Tamerlan pa t mizilman

Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 24 fevriye 2017
(Mizajou : 25 sept. 2020)

Revizyonis islamik yo, depi kèk tan, prezante istwa Tamerlan a kòm prèv ki montre prezans  miizilman nan revolisyon ayisyen an. Men, ki moun Tamerlan sa a te ye? Li te yon kaptif (esklav) ki te konn li, ki te rete nan Boukasen, pa lwen Pòtoprens (nan pwovens Lwès), nan lane 1791. Nan mwa jen, twa mwa anvan Bwa Kayiman ak levekanpe nètalkole a ki te fèt nan Nò a, Tamerlan te fè yon ti koze etranj ak Kolonèl Malenfant, yon franse ki t ap jere, pou yon ti tan, plantasyon kote Tamerlan t ap viv la :
"Ce noir se nommait Tamerlan ; il était âgé d'environ quarante-quatre ans. Il me dit qu'il était prêtre dans son pays ; qu'il faisait des livres ; que le grand roi de l'Afrique l'avait choisi pour l'instituteur de son fils ; qu'il voyageait avec ce prince, lorsqu'il fut attaqué par des nègres, qui les firent captifs, et qui, après plus de trois mois de traversée, les conduisirent au bord de la mer près des blancs." (1)
Tradiksyon :
"Nwa sa te rele Tamerlan ; laj li karant-kat lane. Li te di m ke li te yon prèt nan peyi l ; ke li te konn fè liv ; ke gran wa Lafrik la te chwazi l pou pwofesè pitit gason li ; ke li t ap vwayaje ak prens sa, lè kèk nèg* te atake li, ke yo te fè yo prizonye, epi ke, apre pi plis pase twa mwa vwayaj,  yo te mennen yo bò lanmè ba blan yo."
Nan koze sa, Kolonèl Malenfant te aprann ke Tamerlan te konn li :
"Je reçus une lettre d'un jeune homme, nommé Edon (...) Comme je lisais sa lettre, je surpris le noir commissionnaire qui jetait les yeux sur l'écriture ; une petite glace trahit sa curiosité. Après avoir lu ma lettre, je lui dis : « Est-ce que tu sais lire? — Non, monsieur, me répondit-il. — Pourquoi donc regardais-tu ce que je lisais? — Je vous demande pardon, je ne sais pas lire le français. — Mais enfin, tu sais donc lire ? — Oui, monsieur, et écrire la langue de mon pays, et celle d'une espèce de mulâtres à cheveux longs. — Ecris-moi quelque chose. » Il prend une plume, et se met à écrire de droite à gauche ; ses caractères étaient très-bien peints, et il écrivait avec vitesse. — « Qu'as-tu mis dans cet écrit? je ne connais pas cette langue, je crois que c'est de l'arabe ; est-ce ainsi que tu la nommes ? — Non, me répondit-il. »." (2)
Tradiksyon :
"Mwen te resevwa yon lèt ke yon jenn gason yo te rele EDON te voye pou mwen (...) Pandan m t ap li lèt li a, mwen remake ke nwa ki te pote komisyon an t ap pran jòf sou sa k te ekri a ; yon ti glas te devwale kiryozite li. Apre m te fin li lèt mwen an, mwen te di : "Èske ou konn li?" - "Non, mesye," li te reponn mwen. - "Poukisa atò ou te gade nan sa m t ap li a?" - "Mwen mande w padon, mwen pa konn li lang franse." - "Kidonk, ou konn li?" - "Wi, mesye, ak ekri nan lang peyi m, ak lang yon kalte milat ak cheve long." - "Ekri m yon bagay." Li pran yon plim, epi li pran ekri de dwat a gòch ; lèt li yo te trè byen fèt, epi li te ekri ak vitès. "Kisa w mete nan ekri sa? mwen pa konnen lang sa, mwen panse ke se arab ; se konsa ou rele l?" - "Non," li te reponn mwen"."
Men, nou deja konnen ke, lefèt ke Tamerlan te reponn ke li pa t konn li arab la, pa t anpeche revizyonis yo, malfini sa yo, ensiste ke Tamerlan te fè erè, ke li te yon mizilman.

Non Tamerlan an nan koloni Sendomeng (Ayiti) a

Anvan n analize si ekriti Tamerlan an te mizilman ou pa, nou dwe tabli baz non li, ke fanatik islam yo asosye ak relijyon mizilman an, alòske non Tamerlan sa t ap drive nan koloni a, jan achiv yo montre.


Yon bato yo rele « Le Tamerlan »

Premye anons sa te soti nan dat 6 me 1770. Li montre ke 21 lane anvan chita koze Kolonèl Malenfant ak kaptif Tamerlan an, nan Boukasen, non "Tamerlan" an te popilè anpil nan koloni a, jouk yo te rive bay bato ki t abiye vin nan waf Sendomeng yo non sa  :
"Arrivée des Navires Marchands. À Saint-Marc (...) Au Port-au-Prince, le 12, la Pomone, de Bordeaux, Cap. Bouilhac, venant de Saint-Marc : le Tamerlan, du même Port, Cap. Charriol." (3)
Tradiksyon :
"Me bato machandiz ki rive yo. Nan Senmak (...) Nan Pòtoprens, nan 12yèm jounen mwa a, La Pomone, ki soti Bòdo, Kaptenn Bouilhac, vini sot nan Senmak : Le Tamerlan, ki soti nan menm Waf la, Kaptenn Charriol."

Tamerlan, yon non yo ta bay yon kaptif Mondong

Anons nèg mawon sila te revele yon kaptif yo te rele "Tamerlan, nanchon Mondong, bon jan bèl-figi, wotè li 5 pye" :

"Trois Nègres étampés LESFAURIES (...) ; L’autre nommé Tamerlan, nation Mondongue, assez joli de figure, taille de 5 pieds; (...) Ceux qui les reconnaîtront, sont priés de les faire arrêter & d'en donner avis à M. Lesfauries, Habitant aux Ecrevisses : il y aura récompense" (4)
Tradiksyon :
"Twa Nèg ki make LESFAURIES (...) ; Lòt la te rele Tamerlan, nanchon Mondong, bon jan bèl-figi, wotè li 5 pye ; (...) Moun ki rekonèt yo, tanpri fè yo arete yo epi voye di Mesye Lesfauries, ki rete nan Ekrevis (Ecrevisses) : pral gen rekonpans."
Gwoup etnik Mondong la, ki soti nan "Lafrik" Santral, te tradisyonalis, kidonk, yo te sèvi relijyon Zansèt yo epi yo pa t mizilman. Anplis, relijyon zantray Mondong yo makonnen ak Tradisyon zantray Ayisyen an.

Non Tamerlan an ke yo te  bay yon kaptif Tiyanmba

Anons nan dat 18 jen 1774 sila, montre yon kaptif ki soti nan nanchon Tiyanmba ki te rele Tamerlan.

"Le 18, Tamerlan, nation Thiamba, étampé sur le sein gauche R.B.A.& au-dessus G.G. se disant à M. Boidereau du Grand-Goave." (5)
Tradiksyon :
"Nan jounen 18 la, Tamerlan, nanchon Tiyanmba, tanpe sou tete gòch li R.B.A. epi anwo G.G., li di li pou M. Boidereau nan Grangwav."
Tiyanmba yo, ke yo te rele Tèm, te soti nan Gòlf Benen an, espesyalman nan peyi Togo. E yo te tradisyonalis.


Non Tamerlan an, yo te bay plizyè kaptif Kongo li

Isit la, nan 1777, nou gen yon kaptif Kongo, ke bon non li te Tona, men nan zile yo, li te jwenn non Tamerlan an :
"Un Nègre Congo, nommé Tona, dit Tamerlan, cuisinier & cocher, âgé d'environ 23 ans, étampé sur le sein droit BF entrelacés, est parti maron du Cap le 27 du mois dernier. Ceux qui le reconnaîtront, sont priés d'en donner avis à M. Frère, Négociant au Cap, ou à Mde Fournier, sur son Habitation à Limonade, à qui ce Nègre appartient : il y aura récompense." (6)
Tradiksyon :
"Yon Nèg Kongo, yo te rele Tona, alyas Tamerlan, kwizinye ak chofè, laj li apeprè 23 lane, li tanpe sou tete dwat li BF maye ansanm, li te mawon le 27 mwa k pase a. Moun ki rekonèt li, tanpri voye di M. Frère, biznismann nan Okap, oswa Madan Fournier, sou Bitasyon li nan Limonad, se pou li Nèg sa ye : ap gen yon rekonpans."
Konsa tou, nan lane 1779, yo te rele yon lòt Kongo Tamerlan :


"Le 5, Tamerlan, Congo, étampé FBV et autres lettres illisibles, et sur le sein droit A, âgé de 20 ans, se disant appartenir à M. Aucan, à la Grande-Rivère, arrêté à la Petite-Anse." (7)
Tradiksyon :
"Nan jounen le 5 la, Tamerlan, Kongo, tanpe FBV ak lòt lèt nou pa ka li, epi sou tete dwat li A, li gen 20 tan, li di ke li se pwopriyete Mesye Aucan, nan Grannrivyè, yo arete l nan Laptitans."
Me, nan lane 1788, yon lòt Kongo yo te bay non Tamerlan sou zile a :


"Tamerlan de nation Congo, étampé illisiblement sur le côté droit du sein, rougeâtre de peau, blessé au bras gauche, ayant une cicatrice sur le nez, taille d'environ 5 pieds, âgé de 28 ans, disant appartenir à M. Prudhomme, arrêté à l'Acul." (8)
Tradiksyon :
"Tamerlan, nanshon Kongo, li make ak yon mak sou bò dwat tete li ke nou pa rive li, li gen po klè, li blese nan bra gòch li, li pote yon mak blese sou nen l, wotè li apeprè 5 pye, laj li 28 tan, li di li se pwopriyete Mesye Prudhomme, yo te arete l nan Lakil."
3 Tamerlan sa yo te soti nan Kongo, yon kote ki tradisyonalis nètalkole.


Yon Kreyòl yo te rele Tamerlan

Dènye anons sila tou te montre yon lòt kaptif yo te rele Tamerlan, epi gwoup etnik li pa t di. Sa sigjere ke li te ka yon kreyòl, paske gwoup kreyòl la te si tèlman baz koloni Sendomeng la, ke anpil fwa, yo pa t bezwen deklare li :

"Un Nègre nommé Tamerlan, étampé RAINGEARD AU CAP & au-dessous DUGOIRAN, taille de 5 pieds, est parti maron le 18 de ce mois. Ceux qui le reconnoîtront, sont priés de le faire arrêter & d'en donner avis au Sieur Raingeard, Boulanger au Cap : il y aura récompense." (9)
Tradiksyon :
"Yon Nèg yo te rele Tamerlan, li tanpe RAINGEARD AU CAP ak anba DUGOIRAN, wotè li 5 pye, li te mawon nan 18 mwa sa. Sa ki va rekonèt li, tanpri fè yo arete l, epi voye di M. Raingeard, Boulanje nan Okap ; ap gen yon rekonpans."
Men, si Tamerlan sa te yon Kreyòl, kidonk, si li te fèt sou zile a, sa ta vle di ke li te fèt epi li te batize nan relijyon kretyen. Konsa, li t ap difisil anpil pou li ta va yon mizilman.
Akoz de jan non Tamerlan an de blayi nan koloni a, li pa t rezève pou yon sèl etni. Konsa, li pa ka asosye kaptif yo a islam. Sa vle di, nonm Tamerlan ki te konn li nan Boukasen an, nou pa ka konsidere li mizilman akoz de non li, jan revizyonis yo ap fè nan jechèch. Anplis, Tamerlan pa te vrèman non li. Ni li pa te non kaptif Mondong, Tiyanmba, ni Kongo a. Jan de non sa yo, se enpoze yo te enpoze yo li nan koloni a, lè yo te batize yo kretyen. Paske, gen pi plis chans ke, pè katolik (jezwit) yo te pote non sila nan Sendomeng :


 "Le Cap a eu aussi pendant quelques années pour curé, le père Margat, jésuite, qui l'avait été auparavant de la paroisse de la Petite-Anse, pendant vingt ans. Ce religieux est l'auteur d'une Histoire de Tamerlan, & de plusieurs lettres curieuses & intéressantes, imprimées parmi les Lettres Édifiantes." (10)
Translation : 
"Okap te gen tou, pandan kèk lane, prèt pawas, pè Margat, yon jezwit, ki anvan te nan pawas Laptitans la, pandan ventan. Pè sa, se otè yon Istwa sou Tamerlan, ak plizyè lèt diferan ak enteresan, ki enprime nan mitan Lèt Zotobre yo."


Ekriti Tamerlan an

Èske ekriti Tamerlan an te arab, oubyen yon ekriti "Afriken" ki sòti nan ekriti arab, oubyen tou senpleman yon ekriti otonòm ki soti nan tradisyon "Afriken" an? Kesyon sa merite poze, paske Malenfant, ki te resevwa non ekriti sa, te pèdi li kèk tan apre :
"C'était au mois de juin 1791 qu'il me parla ainsi. Je me rendis en novembre même année au Port-au-Prince. L'incendie du 21 de ce mois, me fit perdre mon porte-manteau, qui fut porté à bord d'un américain, lorsque je travaillais à éteindre les flammes. Je n'ai jamais pu le retrouver.
L'écrit de ce nègre, le nom de sa grande ville, celui de son roi y étaient renfermés.
" (11)
Tradiksyon :
"Se te nan mwa jen 1791, ke li te pale m konsa. Nan mwa novanm menm ane sa, mwen te ale nan Pòtoprens. Dife 21 nan mwa sa, te fè m pèdi djakèt mwen, ke yo te pote sou yon bato ameriken, lè mwen t ap travay pou etenn flanm dife a. Mwen pa t janm ka jwenn li.
Ekriti nèg sa,** non gran lavil li a, non wa li a, tout te nan djakèt la."
Malerezman, de 1791 rive nan 1814, ki se dat piblikasyon liv Malenfant a, 23 lane te pase. Sa vin rann memwa otè a frajil sou jan ekriti a te ye. Men, nou pral fè jefò, nan seksyon sila, pou nou jwenn orijin ekriti Tamerlan an.  
 

Arab ?

Jan nou te wè l pi wo a, repons Tamerlan an te kategorik : li pa t ekri arab. Men, sa pa t anpeche Malenfant chache plis presizyon :
"— Non, me répondit-il. » Je lui fis écrire le nom de sa langue ; je l'ai gardé long-temps ; mais je l'ai oublié ainsi que l'orthographe. La première lettre était, autant que je peux me le rappeler, une espèce de g, et la dernière un o. — « Eh bien, qu'as-tu écrit? — C'est une prière.» Il y avait plus de vingt lignes." (12) 
Tradiksyon :
"— Non, "li te reponn mwen." Mwen te fè l ekri non lang li a ; mwen te kenbe l anpil tan ; men te bliye l menm jan ak òtograf li. Premye lèt la te, osi lwen ke mwen ka sonje l, yon sòt de g, epi dènye a te yon o. — "Oke, sa w te ekri?" — "Se yon lapriyè." Li te genyen plis pase ven liy."
Sanzega pou repons negatif Tamerlan an, revizyonis LeGrace Benson te fè konnen, san okenn limit, nan yon lavalas pwezi degrenngòch, ke Tamerlan te ekri nan ekriti arab, epi ke li te yon moula (kidonk yon chèf mizilman) ki t ap fè pratik yon fòm nan islam yo rele soufi :
"Their conversation led to his revelation of literacy in Arabic by producing the prayer from memory. Thus we know the prayer had been with him always. But an ambience for nurturing a Sufic engagement in the presence of Allah amongst the sugar canes and carrion crows had already taken flight from the moment when a Senegalese man ran into "marronage" off the first boatload of captives." (13)
Tradiksyon :
"Konvèsasyon yo te mennen revelasyon ke li [Tamerlan] te konn li nan lang Arab, lè l te ekri yon lapriyè apati de memwa li. Se konsa, nou konnen ke lapriyè sa te avè l depi toujou. Men, yon anbyans pou ankouraje yon angajman Soufi nan prezans Ala nan mitan chan kann ak kakas ramye dekonpoze te deja pran fil depi lè yon nonm Senegal te mawon apènn li te debake nan premye chajman kaptif la."
Men, kisa l te ye toutbonvre? Malgre lefèt ke Malenfant te pèdi ekriti Tamerlan an menm ane a, nou ka toujou etabli, akòz de endis li te kite, si wi ou non òtograf sa te arab. Paske, si Tamerlan te ekri arab, li ta va idantifye alfabèt li kòm swa al-abjadīyah al-ʻarabīyah, ki ekri konsa :

Oubyen, al-urūf al-ʻarabīyah ki ekri konsa :

Ekrit sa bay pwoblèm, paske Malenfant te fè konnen : "Premye lèt la te, osi lwen ke mwen ka sonje l, yon sòt de g, epi dènye a te yon o.". Apati de bò dwat la, pa t gen okenn lèt nan liy arab sa ki ke yon moun ta ka konfonn ak lèt "g" a, byenke dènye lèt (agòch) la sanble yon "o" nan tou de posiblite yo. Absans yon lèt "g" oswa yon lèt ki sanble avèk yon "g", konbine ak move repons Tamerlan an, mennen nou fè konklizyon ke kaptif sa pa t ekri arab. Anplis, lè w gade tout kantite lèt ke w jwenn nan non ekriti arab la, li pa fè sans pou ke Malenfant ta l fè efò pou l ta memorize yon mo ki si long, epi ki ekri ak lèt ke l pa ka li.


Yon lapriyè ki gen pi plis pase 20 liy

Lè Malenfant, kirye, te mande Tamerlan, "Oke, sa w te ekri?' Tamerlan te reponn ke :"Se yon lapriyè."Apre sa, Malenfant te pale de longè lapriyè a ak mo sa yo : "Te gen plis pase ven liy." Longè lapriyè Tamerlan an antyèman sou menm baz ak pratik nan Tradisyon Zantray kote lapriyè Djò a gen yon dal refren ki dire prèske inèdtan. Men se pa menm jan nan islam, kote lapriyè obligatwa a (salat) se premyè vèsè (sura) nan koran an ki rele Al-Fatiha. Yo itilize li nan tout okazyon, nan seremoni maryaj tankou nan antèman. Enben, lapriyè sa pa rive prèt pou l ta gen plis pase 20 liy, lapriyè mizilman sa gen sèlman 7 liy, ki koresponn a 7 vèsè sila yo :

1) بسم الله الرحمن الرحيم
2) الحمد لله رب العالمين
3) الرحمن الرحيم
4) ملك يوم الدين
5) اياك نعبد واياك نستعين
6) اهدنا الصراط المستقيم
7) صراط الذين انعمت عليهم غير المغضوب عليهم ولا الضالين

Konsa, yon moun pa bezwen pale oswa ekri arab, pou l wè ke lapriyè sa pa rive prèt pou l ta gen plis pase 7 liy ; 8, maksimòm. Nan ka sa, li difisil pou yon obsèvatè byen kore tankou Kolonèl Malenfant ta va di ke li gen "plis pase ven liy.", ti choukèt lapriyè mizilman sa ki ekri konsa nan lang arab :

1) Bismillah ar-rahman ar-rahim
2) Al Hamdulillahi rabbi-l-`alamin
3) Ar-rahman ar-rahim
4) Maliki yawm ad-din
5) Iyaka na`budu wa iyaka nasta`in
6) Ihdina as-sirat al-mustaqim
7) Sirat al-ladhina an`amta alayhim ghayri al-maghđubi alayhim wa la ad-dalin

Sa mennen nou di ke lapriyè ke Tamerlan te ekri a pa t islamik. Kidonk, Tamerlan pa t mizilman.


Ajami ?

Kòm Tamerlan te di ke li pa t ekri arab, Michael Gomez, yon lòt revizyonis, te jwenn kouraj fè konnen ke Tamerlan pa t konprann kesyon Kolonèl Malenfant an, e ke li te swa ekri arab oswa yon lang "Afriken" ki sèvi a lèt arab :
"Either he did not understand Malenfant's question about the language he wrote, or he was indeed writing an african language using Arabic script, such as Fulfulde (Pulaar, language of the Fulbe, in written form)." (14)
Tradiksyon :
"Swa li pa t konprann kesyon Malenfant an sou lang li te ekri a, oswa li te ekri yon lang Afriken ki sèvi ak ekriti arab, tankou Fulfulde (Pulaar, lang pèp Fulbe [Foula], nan fòm ekri)."
Sylviane Diouf, revizyonis la, te ale nan menm sans la, lè li di ke Tamerlan te ekri nan "Ajami", yon ekriti arab ke yo adapte nan plizyè lang "Afriken"" :
"Tamerlan, who had written a prayer in ajamihis language written with Arabic characterswas "a priest in his country…"" (15)
Tradiksyon :
"Tamerlan, ki te ekri yon lapriyè nan ajami—ki se ekriti lang li ak lèt Arab—te "yon prèt nan peyi li...""
Antouka, sa Diouf te di a pa vre. Paske menm analiz ki ta pi piti a ase pou montre ke jan Malenfant te pale de lang Tamerlan an, pa mache ak jan non lang ajami a ekri. Premyeman, "ajami" vle di etranje nan lang arab. Epi, nan lang sa, yo ekri non li konsa : 

Nan lang arab : 
Ajami (ʿaǧamī) :
  ‫عجمي‬‎‎
Oubyen
Ajamiyya (ʿaǧamiyyah) :
 ‫عجمية‬‎‎

Li evidan ke nou lwen anpil de lèt "g" a ki ta dwe nan kòmansman mo Tamerlan te ekri a ; ni nou pa jwenn lèt "o" a nan bout li, jan Malenfant te di a. Men, e si nou te gade jan yo ekri "Ajami" nan lang ajami? Rezilta a, ou pito absans rezilta a, te menm jan :

Mo "AJAMI" a, nan lang sa, ekri ak lèt sa yo :

A
J
A
M
I
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Ajami_script

Sa ba nou, de dwat a gòch, "I M A J A"

Ajami (I M A J A)
‎‫ـَجـَمـِ‬
Men, si nou ajoute tèminezon "YA" a...

Y



A
Nou jwenn "Ajamiya", ki bay, de dwat a gòch, "A Y I M A J A"


Ajamiya (A Y I M A J A)
‎‫ـَجـَمـِیـَ‬
Men non sa klèman pa konpatib ak deskripsyon Malenfant an. Men, pou nou pa kite ankenn dout, nou pral analize "Agami" tou, ki se yon opsyon ki pi pre pwononsyasyon arab de non sa. Se lèt "G" te ekri konsa :
Sa k vin bannou "Agami" ki ekri "I M A G A"

Agami (I M A G A)
‎‫ ‎‫ـَغـَمـِ‬‬ 
Epi, "Agamiya" ekri, de dwat a gòch, "A Y I M A G A"

Agamiya (A Y I M A G A)
‎‫ ‎‫ـَغـَمـِیـَ‬
E nou toujou pa jwenn okenn resanblans ak deskripsyon Malenfant te fè sou ekriti kaptif Tamerlan an. Pa gen dout ke Malenfant pa t ap janm pale de ekriti sila ki bay mo "Ajami" oswa "Agamiya", jan l te fè l pou ekriti ki te itilize nan 1791 la. Se poutèt sa, nou ka di ke Tamerlan pa t ekri nan Ajami. Epi Sylviane Diouf te nan erè.


N’Ko ?

Apade Ajami, nan "Lafrik", gen yon lòt ekriti yo rele N'Ko ki ekri de dwat a gòch. Dapre bri ki kouri, ekriti sa ki pou pèp ki pale Malingke yo (Banmbara, Mandeng, Sonike, Dyoula, Sousou, elatriye), li te sèlman envante nan lane 1949. E envamtè li te yon lengwis ak pwofesè Gineyen yo rele Souleymane Kanté (1922-1987). (16) Konsa, akoz de yon espas de 2 syèk ki separe envansyon l ak tèks Tamerlan an, N'Ko pa t ka ekriti 1791 n ap chache a.
Men, jis pou nou si, nou kanmenm ap konpare ekriti Tamerlan an ak alfabèt N'Ko*** a ki prezante l konsa :


 Alfabèt N'KO a

Vwayèl
Konsòn

Sous : http://en.wikipedia.org/wiki/N%27Ko_alphabet

Ekriti lang Mande oswa Malingke sa, li fonetik (kidonk, chak lèt mache ak yon son) epi li ekri de dwat a gòch. Kidonk, "N'KO", ki se non ekriti sa, lè w eple l kòmanse nan bò dwat la, li bay w "OK'N" :
Son 'N' an ekri : 
 

Son 'KA' a ekri konsa : 

Epi, son 'OO' a ekri  :   
Lè n kote yo ansanm, nou gen, soti nan bò dwat la, "OK'N" :


Epi lè yo eki yo tache yonn ak lòt, nou jwenn sa :

(N'KO)


Se konsa nou te pran ak sezisman, lè nou te wè, sa nou pa t atann an : ki se premye lèt la ki gen fòm yon "sòt de g", jan Malenfant te pale de non ekriti Tamerlan an. Sepandan, nou pa jwenn "dènye [lèt ki sanble] yon o" a. Dènye lèt nou an sanble plis tankou yon "c" devandèyè. Men, li pwononse "o". E lè nou sonje ke Malenfant te fè konnen ke
" Je lui fis écrire le nom de sa langue ; je l'ai gardé long-temps ; mais je l'ai oublié ainsi que l'orthographe." (17)
Tradiksyon :
"Mwen te fè l ekri non lang li a ; mwen te kenbe l pandan anpil tan ; men, mwen bliye l ansanm ak òtograf li."
Sa pèmèt nou konkli ke Tamerlan, ki te yon pwofesè, pa t kontante l senpleman ekri non alfabèt li a. Li te di Malenfant mo N'Ko a ak bouch li. E Malenfant te konsève non sa nan memwa l pou yon bon ti tan. Kidonk, son "O" a nan "N'Ko" te dwe grave nan memwa otè a ki vin asosye li ak twazyèm lèt la :
ki bay son ke nou pale de li a. Anplis, si dezyèm lèt la :
 te sanble ak yon lèt nan alfabèt laten, otè a ta va grave l pi byen nan memwa l, jan li te fè ak premye lèt la :
ki toutbonvre pròch yon sòt de "g"

Bout tèsk sila, pèmèt nou wè jan "N'Ko" ekri nan reyalite. Sa ki te kenbe atansyon nou, se jan liy nan dènyè lèt alonje, sa k fè li vle vin ale nan sans yon "o" nan alfabèt laten an.


   (Piblikasyon mo "N'Ko"an nan jounal New York Times)
Sous : New York Times of December 11, 2011. "Everyone speaks text message". URL : http://www.nytimes.com/2011/12/11/magazine/everyone-speaks-text-message.html

Konsa, nou ka imajine ke nan 1791, Tamerlan, ki t ap ekri ak yon lankriye ansanm ak yon plim, te kapab alonje liy dènyè lèt sa, menm jan ke l te ka awondi koub lèt sa tou. Sa te ka lakòz yon moun Loksidan tankou Malenfant konfonn lèt sa ki pwononse "o", pou yon jan de "o" laten ke yo ekri vit.
Piblikasyon nan N'Ko modèrn :
Sous : http://hsp.org/history-online/media-library/photos/mamady-doumbouya



© Sekou Magasouba, 2017
Sous : https://twitter.com/sekou_magasouba/status/827127598719307781/photo/1

Men, menmsi gen yon resanblans nou pa t atann, gen yon pwoblèm akoz de dat envansyon N'Ko a, ki nouvo. Repons nou senp. Lefèt ke Tamerlan te rele ekriti li te ekri nan 1791 la N'Ko, pwouve ke Souleymane Kanté pa t, an 1949, envante ekriti nòb sa ki gen menm non an. Sètènman, Kanté ki te ekri pi plis pase 70 liv nan N'Ko (18), te rebay ekriti sa lavi. Men, sa pa rann li envantè N'Ko. Anplis, lefèt ke mo N'Ko a vle di "MWEN DI" nan lang Malingke (19), montre jan ekriti sa gen pi plis laj ke yon moun ta janm panse, paske non ekriti sa make nan kosmogoni (istwa Zantray) pèp ki gen lang Malingke yo :
"La mythologie malinké insiste également sur la révélation de la parole aux premiers êtres humains. Dans la mythologie malinké comme dans celle des Dogon, il s’agit de quatre frères qui descendirent avec leurs jumelles du ciel sur la Terre à bord d’une « arche » dirigée par leur géniteur mythique. Ils deviendront les ancêtres apicaux de l’humanité (Dieterlen 1955).
« Le troisième ancêtre, Simboumba Tagnagati, reçut de Faro trente premières paroles et huit graines de céréales dans la mare dans laquelle il pénétra après la chute de la première pluie sur la Terre. En sortant de l’eau, il dit : “Nko / Je parle.” Il construisit un sanctuaire dans lequel il mit les graines. À la porte de ce sanctuaire, Simboumba Tagnagati révéla à ses frères les trente paroles de Faro ; il parla toute la nuit et cessa de parler lorsqu’il vit se lever ensemble à l’horizon Sirius et le soleil. »"
(20)
Tradiksyon :
"Mitoloji Malingke ensiste tou sou jan lapawòl te rive jwenn premye moun yo. Nan mitoloji Malingke a, menm jan ak pa Dogon yo, te gen kat frè ki te desann ansanm ak jimo yo soti nan syèl la, rive sou latè a abò yon "batiman" ki te dirije pa èt mitik ki te ba lavi a [Massa Dembali pou pèp Mande a, ki tradwi an Mèt Dembali ; Mèt Danmbala nan Tradisyon Ayisyen an]. Yo te vin tounen gwo zansèt limanite (Dieterlen 1955).
"Twazyèm zansèt la, Simboumba Tagnagati, te resevwa nan men Faro [Deyès Premye Dlo k te tonbe a, nan Tradisyon Malingke a, Jany oswa Lwa Dlo nan peyi Ayiti] tranteyen premye mo ak wit grenn sereyal nan yon ma dlo ke yo te antre ladan apre premye lapli a te tonbe sou Latè. [Lapli tou asosye ak Faro an Ayiti]. Lè l ap soti nan dlo a, li te di, "NKO / mwen pale." Li te bati yon kay kote li te mete grenn yo. Nan pa pòt la, Simboumba Tagnagati te devwale trant pawòl Faro yo bay frè l yo ; li te pale tout lannwit la, epi li sispann pale lè l wè Siryis [non yon zetwal] ak solèy la k ap leve ansanm nan liy orizon an.""
Kidonk, Souleymane Kanté, yon pwofesè ki te pitit gason yon pwofesè, nan lane 1949, te move lè, nan yon atik, yon Libanè te ekri, ke lang peyi ""Lafrik" enposib pou yo bay ekriti, anplis yo pa gen gramè", (tradiksyon) (21) men Kanté pa t envante yon ekriti tou nèf, pou otan. Olye de sa, li retire alfabèt N'Ko a nan mitan yon dal ekriti grave sou bwa, ki t ap pran pousyè depi plizyè jenerasyon nan rezèvwa fanmi li ki te konn li.
Anplis, premye lèt N'Ko a, se yon liy vètikal "|" ki pwodwi son "a" a. Lèt sila, ki idantik ak lèt Arab yo rele 'alif, li se sètènman yon lèt ki soti nan alfabèt arab la. Sèl grenn lèt sila, nou ka wè ki soti nan alfabèt arab la, li revele ke N'Ko a pa t envante nan opozisyon ak ekriti arab, ni nan reyaksyon kont pawòl yon Arab (Libanè). Kijan Souleymane Kanté ki ta vle pwouve ke lang moun nwa yo ka gen ekriti menm jan ak lang arab, epi pou l ta kòmanse ekriti li nan prete yon lèt arab? Sa pa fè sans, e li ta va kontrprodiktif, kidonk li ta lave men, siye atè. Konsa, istwa Souleymane Kanté antanke envantè ekriti N'Ko a, li pa menm konsistan ak kontni alfabèt N'Ko a.
Epitou, pi plis pase jis yon mo, "N'Ko" se yon aketip (kidonk, se baz) Lapawòl sakre pou pèp ki pale lang Malingke yo. E akoz kè l te yon aketip, moun konsakonsa pa t fin ka konprann tout sa k te gen ladan l. Anplis de sa, moun ki gen konprann tout sa k gen nan yon aketip, pa fasil pou yo voye l jete. E Tamerlan, te yonn nan moun nan Sendomeng (Ayiti) ki te gen nan men yo. Yon lòt prèv ke li te rele ekriti li N'Ko, se ke mo "N'Ko" a, aketip sa, li te konsève nan Tradisyon zantray ayisyen ke Tamerlan, kòm Houngan, te klèman kontribye ladan l. Paske, aketip N'Ko a rete nan chante ak lapriyè Ginen yo, kote li defòme yon ti kras, epi li tounen "Nkò" :

Nkò na ede yo.

Nan Kreyòl nòmal :
"Mwen di" na ede yo.

Pi fò tan, nou jwenn li nan chante Ginen ki pi popilè yo, kote li tounen "Ankò" :
 
Malere, ankò (Nkò) mwen malere.

Nan Kreyòl nòmal (kèk fwa yo tradwi li nan yonn ou de refren pita) :

Malere, "Mwen di" mwen malere.



Tamerlan ak ekriti "Milat cheve long yo"

Konnye a, annou analize lòt fòm ekriti Tamerlan te di ke li te ka li a. Kidonk, ekriti : "yon kalte milat ak cheve long." (22) Kiyès ki te gwoup Milat cheve long sa yo? Pou revizyonis yo, Milat sa yo te swa Mòr oswa Foula ki te konn li nan lang Arab oswa nan ekriti Ajami akoz ke yo te konvèti mizilman. Sa ta va ede istwa yo ki di ke Tamerlan te yon Mandeng ki te nan konkonbrèt ak islam.
Nou ka imedyatman di ke ekrite n ap pale de li a, pa t pou pèp Foula a. Sètènman, kèk nan gwoup sa te gen moun rouj, san mele. Men, gwoup etnik sa, te tèlman anpil nan popilasyon kaptif Sendomeng la, si pawòl la te sou yo, Tamerlan te kapab lonmen non yo bay Malenfant, ki t ap rekonèt yo menm lè a. Anplis, li menm posib ke te ka gen Foula sou bitasyon kote Tamerlan ak Malenfant t ap viv la.
Konsa, etandone ke nou mete opsyon ekriti Foula a akote, rete anpil kalite pèp Arab-Bèrbèr nan Lwès "Afrik" ki te sanble ak "Milat ak cheve long" ke Tamerlan te pale de yo a. Konnye a, nou kapab elimine Mòr yo paske yo t ap viv nan peyi ki nan pwent lanmè Atlantik la (Moritani, Senegal ak Ganbi), alòske Tamerlan te fè konnen ke l soti nan yon rejyon lwen ki mande plis pase 3 mwa vwayaj anvan yo rive jwenn lanmè a :
"Il voyageait avec ce prince, lorsqu'il fut attaqué par des nègres, qui les firent captifs, et qui, après plus de trois mois de traversée, les conduisirent au bord de la mer près des blancs." (23)
Tradiksyon :
"Li t ap vwayaje ak prens sa, lè yo bann nèg te atake li, yo te fè l prizonye [ak moun li yo], epi, apre plis pase twa mwa vwayaj, yo te mennen yo bò lanmè ba blan yo."
Mizapa Mòr yo ak yon pati nan pèp Foula a, sèl gwoup ki sanble ak deskripsyon an se Touarèg yo, ki se Bèrbèr (ki pa Arab), nomad (kidonk ki pa rete yon sèl kote pandan lane a), ki gen plis san mele pase Bèrbèr sedantè yo (kidonk, ki te rete yon sèl kote tout lane a). Konsa, te gen nan Touarèg yo ki te "nwa" oswa ki te "blan" ; men majorite nan yo te nan mitan de ras sa yo, e yo ka rele yo milat :



Sous : Photographie de gravures rupestress au Niger par E. Bernus – 224 APOM/126 ; in : Fonds Suzanne & Edmond BERNUS 224 APOM/1-160.


 
Sous : Femme touarègue à Den Buten en 1964, par Edmond Bernus – 224 APOM/119 ; in : Fonds Suzanne & Edmond BERNUS 224 APOM/1-160



Sous : Couple touareg par un photographe d’Agadez, sd – 224 APOM/114 ; in : Fonds Suzanne & Edmond BERNUS 224 APOM/1-160

Pi lwen vè Lès de kote Mòr yo rete a, teritwa Touarèg la chita nan mitan frontyè ki separe peyi Aljeri, Libi, Nijè, Nijerya, Boukina Faso ak Mali :


Sous : "Aire touarègue". Carte réalisée par Jacques Bernus, d’après Touaregs, Berger-Levault, 1984 ; in : Fonds Suzanne & Edmond BERNUS 224 APOM/1-160


Epi, jan nou wè la,  pi plis pase 3 mwa vwayaj te separe teritwa Touarèg la de arebò lanmè a.

Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Touareg#/media/File:Tuareg_area.png

Konsa, enfòmasyon yo, pèmèt nou konekte kote Tamerlan te soti. Li te soti nan yon gwoup ki pale Malingke, ki t ap viv toupre zonn ki gen kontak ak Touarèg yo. Men, n ap tounen sou sa, apre nou fin analize sa k te nan ekriti Touarèg la, si li te janm egziste.



Ekriti Touarèg?

Tamerlan ta dwe ekri nan Tifinag Sahara, ekriti Touarèg yo ki t ap vwayaje nan dezè "Afrik" Lwès yo. Ekriti sa, sepandan, pa mizilman. An reyalite, li vini anvan islam, paske li te envante nan lane 300-500 AD (Anvan epòk kretyen an). Sa ki te lontan anvan mizilman yo te fè dappiyan sou pati Nò "Lafrik" nan dat 647-709 AD. Bout ròch grave sa, ki nan peyi Mali, bay prèv de jan ekriti Touarèg la anyen :



Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Tifinagh#/media/File:Tinifagh_intedeni.jpg


Alfabèt Tifinag (Tifinagh) la
Sous : A. de Motylinski. Grammaire, dialogues et dictionnaire touaregs. Revus et complétés par le P. de Foucauld. Alger, 1908.


Sous : http://e1.img.v4.skyrock.net/2961/30452961/pics/1401107237.jpg

Kidonk, aprann ke Tamerlan te aprann ekri nan ekriti Touarèg la pa yon prèv ke msye te mizilman, akoz ke ekriti sa te la anvan mizilman yo, epi akoz ke nomad Touarèg yo te kenbe tradisyon zansèt yo ki pa t mizilman.


Peyi kote Tamerlan soti a

Konnye a, annou kite ekriti Tamerlan dèyè, pou nou gade kote msye te soti. Apre nou fin demake zonn kote Tamerlan soti a, ansanm ak lang manman l, nou te bloke. Paske, kontrèman ak revizyonis yo, nou pa ka annik voye zo anlè pou n devine peyi msye te soti. Kidonk, nou te bezwen plis endis. Endis diplis la soti nan tèks Jean-Loup Amselle, ki te di ke Souleymane Kanté, byenke li te fèt nan Ginen Konakri (yon zonn deyò teritwa Touarèg la), granmoun li te natif natal lavil Segou nan peyi Mali (24) (yon vil ki chita nan rebò teritwa Touarèg la, kidonk, li fasil pou nomad yo ka rive la sou do chamo).


 
(Segou)
Sous : http://www1.rfi.fr/fichiers/sports/Can2002/site_specialcan2002/mali2002/villes/segou.htm
(Teritwa Touwarèg)


Apati de enfòmasyon sa, li te fasil pou nou te remonte nan tèt istwa Wayòm Banmbara a (ki te "animis", kidonk, nan relijyon Zantray la). Wayòm sa te rele Segou, akoz de non kapital li ki te nan lavil Segou. Yon vil ki te fonde pa Mamari Koulibaly apeprè nan dat 1712, ki te apèn 79 lane anvan seremoni Bwa Kayiman an.


 (Yon kay nan Segou)
Sous : Office du Tourisme du Mali.

Apresa, nan istwa Wayòm Segou a, nou te jwenn plizyè koze ki di menm bagay ak temwayaj Tamerlan an ki te pale de yon Prens yo te tchwe pandan l te responsab li :
"Il me dit qu'il était prêtre dans son pays ; qu'il faisait des livres ; que le grand roi de l'Afrique l'avait choisi pour l'instituteur de son fils ; qu'il voyageait avec ce prince, lorsqu'il fut attaqué par des nègres, qui les firent captifs (...) Il me dit que le fils du roi avait été tué dans le combat que sa garde soutint contre les nègres voleurs. Selon lui la ville qu'il me nomma était bâtie en bois, bien alignée, comme le Cap et le Port-au-Prince ; les maisons presque toutes à un étage." (25)
Tradiksyon :
"Li te di m ke li te yon prèt nan peyi l ; ke li te konn fè liv ; ke gran wa Lafrik la te chwazi l pou pwofesè pitit gason li ; ke li t ap vwayaje ak prens sa, lè kèk nèg te atake li, ke yo te fè yo prizonye (...)  Li di m ke pitit wa a te mouri nan batay la ke gad kò li yo t ap fè kont nèg ki te vòlè yo. Dapre li, lavil ke l te banm non l nan te bati ak bwa, li te byen aliyen, tankou Okap ak Pòtoprens ; prèske tout kay yo te gen yon sèl etaj."****
Vreman vre, Wayòm Segou a te gen yon Prens ki te mouri nan lagè anvan 1791 (Bwa Kayiman). Li te rele Bambougou N'Dji oswa Bambougou N'Tji, yon Prens yo toujou selebre jouk jounen jodiya, akoz ke l te fouye yon kanal nan Banmbougou (Bambougou), yon vil (25 kilomèt de Segou, kapital Wayòm nan) ke Prens la te pran non li
 (Lise Bambougou N'Dji)
 Sous : http://dawhois.com/www/lbnm.org.html


 (Kanal ke Prens Bambougou N'Dji te fouye a)
Sous : Samba Lamine Traoré. La Saga de la ville historique de Ségou. Paris, 2012. p.57.

Kimoun Prens Bambougou N'Dji te ye?
Rekoni antanke entelijan ak vanyan gason, Prens N'Dji te pitit pitit Wa fondatè Mamari "Biton" Koulibaly ki  te gouvène nan 1712 jouk 1755. Li te fèt apati de maryaj Prensès Makoura, pitit fi Wa Koulibaly, ak Ngolo Diarra ki te vin Wa nan lane 1766 jouk 1790/92. (26) Li te sèl Prens ki te mouri nan lagè, nan rejyon Segou a (ki yon distans plis pase twa mwa vwayaj de kòt Atlantik la), yon vil ki arebò larivyè Nijèr. Dapre kèk chèchè :
"Il [Bambougou N'Dji] n'aura malheureusement pas l'occasion de régner, puisqu'il mourra avant son père en guerroyant sur la rive gauche du Niger, au Nord de Ségou, sans doute contre les peulhs ou les rescapés de l'armée de Sidi Baba." (27)
Tradiksyon :
"Li [Bambougou N'Dji] malerezman pa t gen chans pou l te vin wa, pwiske l te mouri anvan papa l, nan goumen sou bò gòch [larivyè] Nijèr a, nan nò lavil Segou, pwobableman kont foula (peulhs) yo oswa kont moun nan lame Sidi Baba ki te chape."
Pou lòt chèchè, Prens la te mouri nan yon bouk yo rele Karadougou (ki sitiye nan Komin Siadougou, nan Sèk yo rele Sann, nan Rejyon Segou a) :
"Le premier fils du roi N'Golo fut Bambougou N'Dji qui mourut avant son père, lors de l'expédition qu'il conduisit dans le Karadougou (région de Say et Samou) contre le vaillant Sidi Baba COULIBALY qu'il vainquit." (28)
Tradiksyon :
"Premye pitit gason wa N'Golo a te Bambougou N'Dji ki te mouri anvan papa l, pandan yon ekspedisyon li te mennen nan Karadougou a (nan rejyon Say ak Samou an) kont nonm vanyan Sidi Baba COULIBALY ke li te bat."
Sepandan, ant tan lanmò premye Wa a, ki te granpapa l, ak lè papa l Ngolo Diarra te vin pran kouròn nan, te gen yon peryòd chirepit nan Wayòm nan kote de pitit gason Wa te mouri sasinen (yonn nan yo te Ali Koulibaly, ki te konvèti mizilman, epi li te vle entèdi bwè alkòl ak tradisyon "animis" la - kidonk tradisyon zantray la). Men poutan, pitit Wa sa yo pa t Prens ankò lè yo te tchwe yo, paske yo te deja pran pouvwa, Wayal la. Kidonk, yo te deja Wa.
Nou deklare ke Bambougou N'Dji te Prens Tamerlan t ap fèt edikasyon l nan, akòz lefèt ke Tamerlan te pale de gwosè pouvwa a Wa ke li t ap sèvi a :
"Il me parla beaucoup de la puissance de son roi ; du prix qu'il donnerait pour le racheter." (29)
Tradiksyon :
"Li pale m anpil de pouvwa Wa li sa ; de pri Wa sa ta peye pou l ta reachte li [Tamerlan]."
Men, anvan 1790 (pi ta Tamerlan te ka rive nan Sendomeng) lapè ak pwosperite te blayi sèlman an gouvènman 2 Wa : Mamari Koulibaly ak Ngolo Diarra. Sepandan, Tamerlan, ki te fèt nan dat alantou 1747 (dapre estimasyon Malenfant ki te panse msye te gen 44 lane nan 1791), te sèlman gen 8 tan lè Mamari Koulibaly, premye Wa a, te mouri nan 1755. Kidonk, Ngolo Diarra te Wat ke Tamerlan te pale de li a, epi Bambougou N'Dji, te Prens la.
Anplis, nan mwa jen 1791, lè l te deklare ke Wa li a ta va peye anpil lajan pou l reachte l la, Tamerlan te montre ke l te kwè ke Wa li a te toujou vivan. Men, istwa panse ke Wa sa te mouri, oswa pandan li t ap tounen soti nan lagè kont pèp Mosi a, oswa ke li te mouri pwazonnen (30) nan lane 1790 oubyen 1792. Sa se yon siy ke Tamerlan te rive Sendomeng anvan 1790. Sa gen sans, akoz de fasilite li te gen pou l te ka kominike an kreyòl oswa nan lang franse ak Malenfant nan lane 1791.
Finalman, sou ki sòt de prèt Tamerlan te ye, akoz ke li te fè pati gwoup etnik Banmbara a, nou ka di ke Tamerlan te yon prèt tradisyonalis, kidonk, yon Houngan, jan yo te rele pozisyon sa nan Sendomeng oswa an Ayiti, peyi ki te adòpte Tamerlan. Paske, se sèlman lè El Hadj Oumar Tall, yon mizilman, te fè dappiyan sou Segou nan 1861, ki se 70 lane apre seremoni an Bwa Kayiman, oubyen 57 lane apre endepandans Ayiti, ke Banmbara yo te kòmanse konvèti nan islam :
"La conquête Toucouleur est marquée par la domination du marabout Saidou Omar Tall connu sous le nom d’EL HADJ OMAR TALL, qui s’empara de Ségou (1861) (...)  Après son entrée à Ségou le 10 mars 1861, EL HADJ OMAR invita à la conversion à l’Islam." (31)
Tradiksyon :
"Konkèt Toucouleur (Toukoulè) yo te make pa dominasyon marabou Saidou Omar Tall la ke yo te rele EL Hadj OMAR TALL, ki te met lapat sou Segou (1861) (...) Apre li antre nan Segou nan 10 mas 1861, EL Hadj OMAR te mande moun yo konvèti nan Islam."
Konsa, prèv yo mennen nou konkli ke Tamerlan te yon Banmbara, ki te ekri N'Ko,+ li te ekri premye Pawòl sakre a ki te soti nan Dlo sakre premye jou kreyasyon lemond la, ki se Domèn a Faro, Jany oswa Lwa fanm ke yo kontinye sèvi an Ayiti. Tamerlan te rete nan Bambougou, peyi Mali, kote elèv li, Prens Bambougou N'Dji, te chèf distrik la. Li te yon Houngan (prèt Tradisyonèl) ki t ap kontinye sèvis Banmbara a pou Faro ak Penmba, ke yo toujou bay omaj an Ayiti. E defèt ke li te ekri nan Boukasen, pa lwen Pòtoprens, nan 1791, lane seremoni Bwa Kayiman an, yon lapriyè++ ki te gen plis pase ven liy, e ki te vin entegre nan ansanm Tradisyon Ayisyen an, te fè de li yon Dougan, kidonk yon Skrib nan Tradisyon Ayisyen an. Li te ka pase pou premye Dougan an. Men anfèt, li dezyèm apre Wa li Ngolo Diarra, premye Dougan an, ki te gen menm kalite sa yo anvan li.+++

Men, si toujou gen dout sou relijyon Tamerlan te prèt ladan l an, bout tèks sa, ki pale de seremoni ak sakrifis ki jouk jounen jodiya ap fèt sou tonb Prens N'Dji Diarra alyas Bambougou N'Dji ta dwe wete dout sa yo :
"Il [Bambougou N'Dji] fut enterré à Banbougou. Sa tombe se trouve dans une case à terrasse de forme cubique que l'on aperçoit de loin sous un « balanzan », dans les champs de mil situés entre la route de Ségou-Markarla et le village. Cette case fut toujours bien entretenue et on y voit souvent les traces des sacrifices rituels qu'on continue à venir y faire pour s'attirer les bonnes grâces de son âme élevée au rang d'une divinité." (32)
Tradiksyon :
"Li [Bambougou N'Dji] te antere nan Banbougou. Kavo li sitiye nan yon ti kay ak teras ki gen yon fòm kib, ke yo ka wè a distans anba yon "balanzan", nan jaden pitimi ki ant wout Segou-Markarla a ak bouk la. Ti kay sa toujou byen konsève, epi souvan nou wè tras sakrifis ke yo kontinye vin fè,  pou yo mete yo an règ ak nanm li ki leve nan nivo yon divinite [Lwa]."
 (Kay ki genyen kavo Prens Bambougou N'Dji  ; li vid paske yo pa t jwenn kadav Prens la)
 Sous : Samba Lamine Traoré. La Saga de la ville historique de Ségou. Paris, 2012. p.56.

Prens sa ke yo te "leve nan nivo yon divinite [Lwa]", ale kont sa islam pèmèt. Men, li mache nètalkole ak vizyon zantray Mande kon Ayisyen. Epitou, Bambougou N'Dji, elèv Tamerlan an, te li menm pitit gason yon prèt tradisyonalis. Paske papa li, Wa :
"N'Golo Diarra assuma sous le règne de Biton Mamari Coulibaly les responsabilités de grand prêtre des idoles et de chef de la garde royale composée de trois mille jeunes guerriers." (33)
Tradiksyon :
"N'Golo Diarra, pandan rèy Biton Mamari Koulibaly a, te granprèt idòl [Lwa] yo ak chèf gad wayal la ki gen twa mil jèn sòlda."
Anplis de koneksyon ak Prens Malyen an, ki valide orijin ansanm ak espirityalite Tamerlan, gen yon lòt prèv ke Tamerlan te yon tradisyonalis. Ann eksplore li.

Prèv iltim an, dapre Malenfant

Nou ka konkli ak sètitid ke Tamerlan pa t gen lafwa mizilman an, tou senpleman paske Kolonel Malenfant, ki te jere plantasyon nan Boukasen kote Tamerlan te rete a, pa t kwè ke msye te yon mizilman. Yon ekstrè nan liv kolon Malenfant an revele ke, menmsi li te rankontre Tamerlan, li pa t janm rankontre okenn kaptif (esklav) islamik nan Sendomeng :
"Il y a des colons qui m'ont assuré qu'ils avaient eu pour esclaves des noirs mahométants [musulmans], et même des derviches." (34)
Tradiksyon :
"Genyen kolon ki te asire mwen ke yo te deja gen esklav nwa mahometan [mizilman], e menm ki te dèrvich."
Lefètke Kolonel Malenfant te dwe jwenn asirans nan men lòt kolon ki te deja posede nwa nan lafwa mizilman, sa montre rate kaptif (esklav) islamize nan koloni Sendomeng la.

* Tamerlan te di ke "kèk nèg te atake li, ke yo te fè yo prizonye", apresa, yo te vann yo bay blan pou yo fè esklav. Pawòl sa ki soti nan bouch Tamerlan, ki te viv li, vin demanti diskou afrikanis revizyonis yo ki twò lach, twò iresponsab ak twò reyaksyonè, pou yo ta admèt ke moun nwa te vann pwòp san yo. Sepandan, Tradisyon ayisyen an ki soti nan frè ki te tchwe pwòp frè yo, di ak anpil presizyon ke "depi nan Ginen, nèg pa t vle wè nèg". Sa vle di ke depi "Lafrik", moun nwa te rayi ak blese yonn ak lòt. Istwa Tamerlan ke yo te kidnape pandan ke yo te touye Prens li, se yon prèv de sa.
** Lefèt ke Kolonèl Malenfant te konsève ekriti Tamerlan an nan palto li kòm bagay ki gen anpil valè, e ke okenn malè pa t rive kaptif sa apre ke yo te konnen ke l te konn li a, demanti yon lòt fo koze ki di ke yon kaptif ta va merite lanmò si yo dekouvri ke li konn li. Fanatik radotay konsa, pifò tan se revizyonis islamik, rive twonpe moun òdinè san pwoblèm. Apresa, yo bay lòt manti ki chèche antre arab ak mizilman nan revolisyon ayisyen an pandan y ap retire sèl moun ki te fè revolisyon an, kidonk brav moun nwa ki sèvi Zantray.
*** Pou w abitye w ak baz ekriti N'ko a, vizite : http://nkoinstitute.com ; e si w anvi tande jan lèt N'ko yo sonnen, ale nan: http://www.kanjamadi.com/Jedekara/kogbe-4-.htm
**** Deskripsyon Tamerlan te fè de lavil li ""Dapre li, lavil ke l te banm non l nan te bati ak bwa, li te byen aliyen, tankou Okap ak Pòtoprens ; prèske tout kay yo te gen yon sèl etaj." (35) byen mache ak bèl deskripsyon eksploratè Mungo Park te fè de lavil Sego (Segou), eksepte ke kay yo pa t reyèlman fèt an bwa, kòm Tamerlan te ekzajere, men ak ajil :
"Li [Mungo Park] dekri lavil Sego ki fòme, pou n presize, de kat bouk, de nan yo sou bò nò Nijè a, yo rele Sego Korro ak Sego Boo ; epi de sou bò sid la, yo rele Sego Soo Korroo ak Sego See Korro. Kay sa yo te bati ak ajil, nan yon fòm kare, ak twati yo plat ; kèk nan yo te gen de etaj, epi anpil te blanchi. Nonb moun ki rete la te kapab 30,000. "Vizyon gran vil sa," li te di, "anpil kano sou larivyè a, grosè popilasyon an, ak jan andeyo li byen òganize a, te fòme tout ansanm, yon eta de sivilizasyon ak mayifisans ke m pa t janm espere jwenn nan mitan Lafrik."" (36)
+ Premye lèt nan alfabèt N'Ko a fè son "a" ke yo reprezante ak yon ba vètikal : "|". Sa lèt soti nan 'Alif nan alfabèt arab la. Kopyaj sa, sepandan, pa soti nan pratike relijyon mizilman an. Li soti nan lekòl ke Ngolo Diarra, Wa Segou epi byenfetè Tamerlan, te ale nan Tonmbouktou (Tobout nan kreyòl, pou yo pale de yon kote ki lwen anpil). Ngolo Diarra, ki te yon "animis" oswa yon tradisyonalis, yo te voye l nan yon inivèsite mizilman nan Tonmbouktou. Se Wa Mamari Koulibaly ki te voye Ngolo nan Tonmbouktou, paske Rèn Nadjè, ke li te pi renmen, te pratikman adopte Ngolo Diarra tou jèn. Nan tan sa, Ngolo Diarra te yon "Di-songo", kidonk, yon timoun-esklav (yon restavèk nan lang ayisyen an). Granmoun li te bay li kòm peman taks yo rele "Di-songo" a, ki se yon taks wayal yo te dwe Segou. (37) Ak anpil diplomasi, Sheik Kounta te mete jèn N'golo Diarra deyò lekòl Tonmbouktou a "pwobableman paske yo te pè enfliyans ke esklav sa, ki te twò entelijan [epi animis], ta ka gen nan mitan jèn nan lakou Sheik la" (Tradiksyon), (38) Ngolo Diarra, yon fwa li te tounen nan Segou, te ka, lè l te jenn, moun ki te envante alfabèt N'Ko a. Sa ta eksplike prezans de yonn oswa de de lèt arab nan N'Ko a, ki soti plis nan abitid ekri lèt arab ke nan pratike relijyon mizilman. Epitou, Tamerlan pa t janm di li te envante ekriti N'Ko a, sa ki fè nou konprann ke li te vin jwenn ekriti sa. Konsa, nou panse ke N'Ko a te kreye pou l te chita pa ekri reyalite tradisyon Banmbara (Mande) a. Se poutèt sa pwosesis kreyasyon N'Ko a diferan de pa ekriti Ajami a, ki limenm boure ak lèt arab, paske objektif ekriti sa se repann doktrin Arab-Mizilman yo lakay moun nwa "Lafrik". E si gen kèk grenn mo "Afriken" nan alfabèt Ajami a, yo la pou bouche twou lengwistik ke alfabèt arab la pa ka bouche. Nou pa bezwen pale de kòman avansman N'Ko a ak konesans nan Wayòm nan te frennen akoz de dappiyan ki te fèt sou Tamerlan, petèt sèl grenn otè (moun ki t ap fè liv), ansanm ak lanmò Prens Bambougou N'Dji ki te konn travay pou pwogrè. Lè mizilman yo vin  fòse moun yo konvèti an 1861, yo te fòse N'Ko a nan kache jouk Souleymane Kanté te rebay ekriti sa lavi, 88 lane pita.
++ Tamerlan te ekri sa Tradisyon Ayisyen an rele Priyè Djò. Djò, se yon mo Mande (Djo, dyo, dyû, gyo, etc.) ki vle di Lwa oswa tout sa ki sakre. (39) Mo Djò a nan tout bagay lakay pèp Mande yo : Sundiata Keita, Wa ak fondatè Wayòm Mali a ("Lafrik" de Lwès : 1230-1600) te gen tit Mansa-Dyô (40) ; sosyete sekrè yo rele "Sociétés Dyo", (41) yonn nan sosyete sa yo rele Kore (Koré), (42) yon mo ki trouve l tou nan lang Ayisyen an (Kore), men ki gen yon sans pi laj an Ayiti. Politik pa manke pa nan Djò, paske "tout sistèm politik Mandeng la baze sou pak dyo ke fanmi gwo moun yo pase ant yo". (tradiksyon) (43) E jan Djô ak Lwa Zantray yo te kontwole sivilizasyon Mande a, se konsa sivilizasyon sa toupatou nan Ayiti ki sèvi Zantray la. Ke se nan eritaj ki : soti nan Wayòm Segou (nan Mali : 1712-1861) kote Tamerlan ak Priyè Djò li a te soti. Oswa nan Wayòm Kaarta (nan Mali : 1650-1854), yon lèdmi Wayòm Segou, ki te, nou panse, bay Ayiti rit Kata a. Oswa nan rejyon Wassoulou a (Mali), ki gen rit N'Gri, ki se rit baz li. E lontan anvan Anpir Wassoulou a (nan Mali : 1878-1898), ak anpil entelijans, Nò Ayiti te konsève rit N'Gri a sou non "Madanm Tobodop". Oswa finalman, eritaj ki soti nan Kita (Lwès Mali), ki se yon vil sakre kote pèp Mande tradisyonalis yo fè pelerinaj. Kita sa tou, se la k soti Nanchon Kita ak Lwa Kita an Ayiti. 
Apa de Priyè Djò a, kote "Sen Djò" repete anpil fwa, mo Djò a, nou jwenn li tou nan anpil chante sakre Ayisyen. E li kenbe menm sans ak menm baz sivilizasyon pèp Mande yo :


Hounsi Djò e, Hounsi Djò e, nou wè ase.


E menm kòn Lanbi a, enstriman mizik ki reprezante revolisyon Ayisyen an, avèk li gwoup mawon yo te konn siyale reyinyon yo, e ben, li soti nan kilti tradisyonèl Banmbara a. Paske, "Ton", ki se non asosyasyon politik ak militè Banmbara yo, te konn itilize enstriman mizik yo rele "Baruba" a nan menm sans la :
"Ton-Massa Dembélé, chef de l'infanterie, vieux compagnon de Mamari Biton Coulibaly, accéda au pouvoir. Son prénom signifierait prince d'association. Ce fut lui qui était en effet chargé de convoquer à la demande de Mamari Biton Coulibaly les réunions du ton, l'organisation politico-militaire qui fut au début l'ossature du royaume bamanan de Ségou. Il avait pour cela un baruba, sorte de cor fabriqué avec une défense d'éléphant ou une corne de coba dans lequel il soufflait pour sortir des sons qui, pour tous les membres du ton, signifiaient : "venez à la réunion !"" (44)
Tradiksyon :
"Ton-Massa Dembélé, chèf lame a, yon ansyen kanmarad Mamari Biton Koulibaly, te vin pran pouvwa a. Non li vle di prens asosyasyon. Se li ki te responsab voye rele sòlda yo, pou Mamari Biton Koulibaly, pou reyinyon ton an, ki se òganizasyon politik ak militè ki te mete Wayòm Bamanan Segou a kanpe. Li [Ton-Massa Dembélé] te gen pou sa, yon baruba, ki se yon sòt de kòn ki fèt ak defans yon elefan oswa ak kòn yon Koba [yon antilòp] ke yo soufle ladan l pou fè yon son soti. Yon son ki, pou tou manb ton an vle di : "vini nan reyinyon an!""


 (Foto nan yon fim ki montre yon sòlda Banmbara k ap soufle nan yon baruba)
Sous : "‪Da Monzon, la conquête de Samanyana‬". Mali, 2011. Dir. Sidy Fassara Diabaté. Fiksyon. 110 min. Timeline : (37:23-37:32)

(Mawon San Non an - Stati yon mawon nan Sendomeng k ap soufle kòn lanmbi revolisyon an)
Sous : http://www.jadorehaitisa.com/port-au-prince

Menmsi l te fèt ak kòn yon mamifè, olye de kokiyaj yon kristase tankou nan Sendomeng, baruba Banmbara a te bay son pou menm rezon militè ke nan Sendomeng.  

Me kòn yon Koba, ki vin tounen yon baruba pou fè son tankou yon kòn lanbi :


Sous : https://www.delcampe.net/en_GB/collectables/trade-cards/unclassified/image-ima-animaux-antilope-coba-afrique-l-ami-chez-les-betes-serie-a-n-8-172214800.html

Anplis, mo Banmbara tankou "Ton" ak "Massa", twouve yo tou nan leksik sakre Ayisyen an. Nou dwe pale tou de mo "Masala" a ki itilize an Ayiti, kote li se non Lwa, non Fanmi Lwa, epi non Rit. Lè yo tande "Masala" nan chante Ginen yo, anpil moun panse ke mo sa te yon siy de yon rapò ak islam. Sepandan, "Masala" soti nan kilti Zantray Banmbara kote li vle di "dyaloge, konvèsasyon", (45) sa parèt nan moso fim sila ki montre lapenn pèp Banmbara a nan lanmò Prens Bambougou N'Dji a  :



Sous : "Les Rois de Ségou", Episode 15 : L'amour de Penda. Mali, 2010. Director : Boubacar Sidibé. Fiksyon (Seri). Timeline (08:10-10:04)



+++ Twazyèm Dougan an se donk mwen menm, Rodney Salnave, Houngan an ki te montre ke ekriti N'ko a te envante depi plizyè syèk, apatide istwa Ayiti.





Referans
(1) Colonel Malenfant. Des colonies et particulièrement de celle de Saint-Domingue; mémoire historique. Paris, 1814. p.213.
(2) Colonel Malenfant. Op. Cit. pp.212-213.
(3) Les Affiches Américaines du mercredi 16 mai 1770. Parution no.20.p.229.
(4) Les Affiches Américaines du vendredi 31 décembre 1773. parution no.52. p.624.
(5) Les Affiches Américaines du mercredi 22 juin 1774. Parution no.25. p.291.
(6) Les Affiches Américaines du samedi 27 décembre 1777. Parution no.52. p.624.
(7) Les Affiches Américaines du Mardi 13 avril 1779. Parution no.15. pp.0.
(8) Les Affiches Américaines du samedi 12 juillet 1788. Parution no.28. p.880. 
(9) Les Affiches Américaines du mardi 20 juin 1780. Parution no. 25. p.195.
(10) M.-L-.E. Moreau de Saint Mery. Description topographique, physique, civile, politique et historique de la…, Tome 1. Philadelphie, 1797. p.541.
(11) Colonel Malenfant. Op. Cit. p.214.
(12) Colonel Malenfant. Ibid. p.213. 
(13) LeGrace Benson.  Qismat of the Names of Allah in Haitian Vodou. In : Journal of Haitian Studies, Vol 8 No. 2, 2002.
(14) Michael Gomez. Black Crescent : The Experience and Legacy of African Muslims in the Americas. New York, 2005. p.86.
(15) Sylviane A. Diouf. Servants of Allah: African Muslims Enslaved in the Americas. New York, 1998. p.124.
(16) Jean-Loup Amselle. "Le N’ko au Mali". In : Cahier d’études africaines, 1996, vol.36, issue 144, pp.823-826.
(17) Colonel Malenfant. Op. Cit. p.213.
(18) "Solomana Kanté : The Inventor" URL : http://nkoinstitute.com/the-inventor/ ; Consulté le 8 février 2017.
(19) Jean-Loup Amselle. Op. Cit. pp.823-826.
(20) Germaine Dieterlen. « Réflexions sur la parole, le sacrifice et la mort dans quatre populations de l’Afrique de l’Ouest », Systèmes de pensée en Afrique noire [En ligne], 5 | 1981. p.63.
(21) Jean-Loup Amselle. Op. Cit. pp.823-826.
(22) Colonel Malenfant. Op. Cit. p.213.
(23) Ibid.
(24) Jean-Loup Amselle. Op. Cit. pp.823-826.
(25) Colonel Malenfant. Op. Cit. pp.213 ; 214.

(26) Prof. Amadou Bina Coulibaly. L'histoire de Ségou. Janvier 2010. p.7. [anliy] URL : http://www.youscribe.com/catalogue/livres/education/ressources-pedagogiques/l-histoire-de-segou-1689274
(27) Samba Lamine Traoré. La Saga de la ville historique de Ségou. Paris, 2012. p.54.
(28) Mamadou Haïdara-Maha. Les anonymes. Bamako, 1997. p.36.
(29) Colonel Malenfant. Op. Cit. p.214.
(30) Prof. Amadou Bina Coulibaly. Op. Cit. p.8.
(31) Prof. Amadou Bina Coulibaly. Ibid. p.10.
(32) Samba Lamine Traoré. Op. Cit. p.54.
(33) Samba Lamine Traoré. Ibid. p.43.
(34) Colonel Malenfant. Op. Cit. 215.
(35) Colonel Malenfant. Ibid. p.214.
(36) Mungo Park. The Life and Travels of Mungo Park. London, 1838. pp.80-81.
(37) Samba Lamine Traoré. Op. Cit. p.43. 
(38) Prof. Amadou Bina Coulibaly. Op. Cit. p.6.
(39) Michel Leiris. La langue secrète des Dogons de Sanga (Soudan français). Paris, 1948. p.449.
(40) Mémoires de la Société de linguistique de Paris, Volume 18. Paris, 1914. p. 284.
(41)  Bernard Nantet. Dictionnaire d'Histoire et Civilisations africaines. Paris, 1999. p.33.
(42) Ibid.
(43) Cultures Et Développement - Volume 5. Paris, 1973. p.286.
(44) Samba Lamine Traoré. Op. Cit. p.38.
(45) Bambara lexicon [Online] URL : http://www.bambara.org/lexique/lexicon/main.htm  



Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Tamerlan pa t mizilman". 24 fevriye 2017 ; Mizajou 25 sept. 2020. [anliy] URL: http://bwakayiman.blogspot.com/2017/02/tamerlan-pa-t-mizilman.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].


Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020