Alawou pa t mizilman

Home    
 
Yon lòt ewo Revolisyon ayisyen an ki tounen sib revizyonis islamik yo se te Alawou. Ant 1792 ak 1794, li te kòmande yon bann ame nan plenn di Kildesak, nan alantou Pòtoprens, nan Lwès koloni franse Sendomeng (Ayiti) a. Nan lane 1998, Sylviane Diouf, yon revizyonis, te fè de Alawou yon chèf mawon ke relijyon islam ta va motive :
"Saint Domingue, was fecund ground for Muslim maroons and rebels. The island had always had numerous maroon communities. (...) It is not known if some maroon communities were entirely composed of Muslims, but major communities had Muslim leaders. (...) In Cul-de-Sac, an African Muslim named Halaou led a veritable army of thousands of maroons." (1)
Tradiksyon :
"Sendomeng, te yon tè donnen pou mizilman mawon ak rebèl. Zile a te toujou gen anpil kominote Mawon, (...) Yo pa konnen si kèk kominote mawon te konplètman konpoze ak Mizilman, men pifo kominote te gen chèf Mizilman. (...) Nan Kildesak, yon Afriken Mizilman yo rele Halaou te kòmande yon bon jan lame ki te gen plizyè milyè mawon."
Poutan, istoryen yo inanim sou yon bagay ke pèsonn pa ka nye, ki se lefèt ke Alawou ak kanmarad lame li yo te tradisyonalis devwe, ki pa t chache sa, e ki te menm egzajere nan fè wè sa :
"Nwa endisipline nan plenn di Kildesak yo te dirije pa yonn nan yo ki te rele Halaou, ki te swiv tout pratik majik Afriken yo. Sipèrstisyon babar peyi natal li te fè pouvwa li sou bann li te dirije yo. Yon kòk blan ke li te toujou pote te parèt dapre foul moun yo tankou li transmèt enspirasyon ki sot nan syèl la bay li. Plizyè Bòkò asistan te swiv li toupatou, epi yo te ede l djouke mas sa yo ki nan fènwa." (Trad.) (2)
Li difisil pou n imajine yon sòlda mizilman ki pral konsidere yon zwazo kòm yon sous enspirasyon ki sot nan syèl. Nou pral demontre isit la ke Alawou pa t yon mizilman, men li te yon chèl lagè tradisyonalis. Epi, li te menm yon gwo zotobre nan tradisyon zantray la.



1- Alawou pa t kòmanse rebelyon nan Lwès la

Pami revizyonis yo, tandans la se pwoklame relijyon islamik kòm yon sous rezistans nan Sendomeng. Men konsènan zafè Alawou a, prèv istorik yo di lekontrè. Paske, depi septanm 1791, kidonk plizyè mwa anvan angajman Alawou a, Romaine Rivière [Womèn Rivyè), alyas Romaine La Prophetesse (Womèn Lapwofètès) te leve kanpe nan Lwès ak nan Sid. Epi li te lwen pou l ta mizilman :
"Romaine Rivière, pwopriyetè, nan mòn Lewogàn yo, de yon ti plantasyon kafe, nan plas yo rele Troukofi a, ki sitiye sou limit Jakmèl ak Lewogàn, toupre koray Brak ak Sitonye, te, pandan emosyon yo t ap debòde, etabli yon kan sou tè li. 
La, li te deklare ke li te enspire pa Lasent Vyèj, li te pran non pwofètès la, e li te melanje adorasyon ke yon moun dwe a kreyatè a ak pratik majik (1).
(1) "Grif sila,* ki marye ak yon milatrès, te bati yon chapèl ak yon lotèl, kote li te selebre mistè li yo nan jan li ; li te antre tèt li nan tabènak la pou l te tande repons Sentespri a, li te ekri lèt bay Lasent Vyèj la epi repons Lasent Vyèj yo  te parèt lelandemen nan tabènak li a ; li te fè meditasyon ak prèch li yo ak zepe nan men l, li anseye enbesil fidèl li yo yon doktrin ki te lakòz vòl, asasina, mete dife. Sendenden sila te yon chalatan tou, li te konpoze medsin, elatriye." Rapò Blouet, prèt nan Jakmèl, fevriye, 1792." (Trad.) (3) 
Nou pa ka kalifye kòm yon mizilman Womèn Lapwofètès ki :
  • te abiye ak rad fi pou l te tounen Lavyèj Mari, ke li te di li te fiyèl li ;
  • te chante lamès nan yon chapèl katolik ;
  • te ekri lèt bay Lavyèj Mari ansanm ak Sentespri a ki te konseye l ;
  • te gen korespondans ekri (nan lang franse, pa nan lang arab) ak prèt katolik Abbé Ouvrière, ki te konfidan l.
Kidonk, Womèn Lapwofètès te yon "pè savann", sa ki vle di ke li te yonn nan plizyè fo prèt katolik milat (oswa moun wouj) ke yo te blije entèdi nan koloni a apati de lane 1761, apre evènman Makandal yo.
"REGLEMAN Konsèy Okap la sou Abi Relijyon pa [milat] Moun ki gen Koulè yo.


Nan dat 18 fevriye 1761.
(...)
... ke nan asanble Nèg yo nan Legliz Vil sila, li te rive souvan ke pa te gen okenn Prèt ; lè sila, yonn nan yo te abitye fè katechis, oswa preche lòt yo ; ke menm Nèg sa yo te konn ale souvan epi anpil fwa andeyò, pou yo fè katechis nan kay ak Bitasyon yo, pou Nèg yo, san yo pa te gen otorizasyon pou fè sa ; anplis de verite yo ak dotrin Relijyon nou an ka vin chanje nan bouch yon Misyonè nan kalite sila... 
(...)
ART. 5. Defann tout Nèg oswa Milat Lib, ak Esklav yo, fè katechis nan kay ak Bitasyon yo ; sou risk kout fwèt." (Trad.) (4)
Administratè yo te konsidere sila yo ki te deklare tèt yo prèt yo kòm yon sous dezòd relijye ak sosyal. Sepandan, Womèn ki te konn fè pratik tradisyonalis tou,** pa t revòlte pou rezon relijye. Antanke yon Kreyòl lib, ki te ras melanje epi ki te pwopriyetè tè nan Troukofi, yon chire pit ak yon vwazen blan rich, ki te rele Joseph-Marie Tavet, ta pouse l rebele kont abi klas li t ap sibi. (5) Nou pa mansyone ke Womèn te yon wayalis, kidonk yon sipòtè kòz Wa Lafrans la. (6)

 

2- Alawou pa t chèf rebèl nan Lwès yo

Jan nou konnen, soti nan mwa out 1791, kaptif (esklav) nan Nò Sendomeng yo revòlte nan yon fason jeneral. Dezan apre, koloni a ki te febli akozde lame entèn ak etranje, te oblije ofri libète bay kaptif (esklav) yo ki vle defann li.
An menm tan, nan pwovens Lwès ak Sid yo, yon leve kanpe jeneral pa te fèt. Men, sa pa vle di te gen lapè. Nan Lwès la, kote Alawou te goumen an, se lame sa yo ki te opoze :
  • Pompons Rouge (Ponpon Wouj) yo :  Komisyonè franse Polvérel ak Sonthonax ki te siyen abolisyon esklavaj nan lane 1793-1794 ;
  • Anciens libres (Ansyen lib) yo : Afranchi yo, kidonk sila yo ki te lib depi lontan yo (sitou Milat lib ak Nwa lib) ki te reklame egalite politik pou klas yo ;
  • Pompons Blancs (Ponpon Blan) yo : Blan Wayalis (kidonk patizan Wa) ki te alye ak lame etranje yo (Panyòl ak Angle) ;
  • Nouveaux libres (Nouvo lib) yo (oswa ki gen pou vin lib yo) : Kreyòl ki te rete nan plantasyon yo, ak "Afriken" rebèl ki te gwoupe pa etnik, ke tout sèktè ki t ap goumen yo te chèche pran kòm alye.
Alawou te yonn nan dirijan bann ame "Afriken" yo ke Afranchi yo, kidonk Ansyen lib yo, te mete nan pòs la. Mem malgre merit l, Alawou pa t kòmanse revòlt nan Lwès la. Ni li pa t kòmande tout lame "Afriken" an. Alawou te gen Hyacinthe Ducoudray (Yasent Dikoudre) kòm chèf siprèm. E Hyacinthe limenm, li jwenn te ankourajman epi grad an fevriye 1792 nan men bon jan chofè de dife yo, ki se Afranchi oswa Ansyen lib yo : 
"Moun ki rete Kildesak yo, vye granmoun yo, fanm yo ak timoun yo te blije kouri kite plenn sila pou yo t ale nan mòn Grand-Bois [Granbwa] yo*** ak Mirbalè. (...) Men, milat yo, ki te fatige de enjistis tout blan yo, te itilize tout dènye resous yo. Yo te leve kanpe esklav yo, epi yo te bay yo pou chèf yon jenn nwa entèlijan, yo te rele Hyacinthe, esklav kolon yo rele Ducoudray a. (…) Nan ran yo te gen chèf segondè yo, tankou Garion Santo, Halaou, Bébé Coustard, ki se twa nwa, ak Belisaire Bonnaire, ki se milat." (Trad.) (7)
Yo pa ka tabli yon relasyon islamik pou Afranchi yo (Nwa ak Milat lib) ; espesyalman Milat yo, paske gen sètitid ke yo te fèt nan Lamerik kretyen an, e pa nan "Lafrik". Epitou, pwiske Afranchi yo te make chwa relijye yo depi 29 oswa 30 dawou 1791, lè yo te selebre yon seremoni katolik nan Kwadèboukè, pa lwen Pòtoprens :
"Apre viktwa nan Pènye a, lame milat yo te ale nan Kwadèboukè kote li te chante yon Tedeyòm pou remèsye Granmèt la pou siksè l nonm enjis yo ki, olye yo te rekonèt dwa klas milat la, ke Kreyatè tout bagay la te bay yo, te pito pwopoze pou detwi li." (Trad.) (8)
Kanta pou Hyacinthe Ducoudray, lidè Siprèm Milat yo te chwazi a, li te yon tradisyonalis koni ki te mache ak yon lake towo sou chan batay yo :
"Nwa yo ke bòkò yo te rann fanatik, te kouri jwenn lanmò ak plezi, yo imajine ke yo pral resisite nan Lafrik. Hyacinthe ki te gen kòm zak yon lake towo pandan li t ap mache nan ran yo, te fè konnen ke sa te detounen bal." (Trad.) (9)
Sepandan, apre viktwa li nan Kwadèboukè nan lannwit 30 rive 31 mas 1792, li te asire benediksyon katolik pou tout twoup li yo ; ke sòlda Alawou yo fè pati de yo :
"Pa viktwa sila, otorite afranchi yo te vin definitif nan Lwès la. Hyacinthe Ducoudray, yon jenn gason ki gen anpil limanite, ke yo te kenbe anba enfliyans yo, fe fòse Pè Thomas, prèt nan pawas Kwadèboukè a, beni. lame li a." (Trad.) (10)
Epitou, nou ka di ke koutim "afriken" ansanm ak relasyon etnik te klèman estriktire twoup rebèl nwa yo, ki gen sòlda Alawou yo ladan l :
"Pami rebèl yo te gen remakab tankou Halaou, Bébécoutard, Bélisaire, milat, ki te vin chèf ki pi popilè yo. Yo te òganize bann ame nan mannyen afriken an : tèt yo te plen ak plim kòk ak pan, yo te fè yo pote yo anlè, ak pouvwa lavi ak lanmò sou sòlda pa yo." (Trad.) (11)
Bélisaire Bonnaire, yon Milat, te vin chèf bann ame menm jan ak Alawou. E li tou, se pa t akoz de yon swadizan relasyon ak islam :
"Bélisaire, yonn nan yo, te yonn nan moun ki te kontribye pi plis nan rekonsilye moun ki gen koulè yo [milat] ak nwa yo. Nonm sila, ki te sèlman gen 23 zan epi ki te egzèse metye mason, te remakab pou wotè li, bèl figi li, epi etan li t ap viv anjeneral nan mitan nwa yo nan plenn an, li te aprann kèk nan lang Afriken yo." (Trad.) (12)
Konsa, akoz li te maton nan lang "afriken" yo, Bélisaire te pase pou yon moun ki gen gwo pouvwa mistik dapre rebèl nwa "Afriken" yo ki te gwoupe pa nanchon. Alawou te jwi te yon otorite mistik menm jan an. Sa te fasilite chwa li kòm chèf bann.



3- Orijin Alawou

Yon fason efikas pou konnen afilyasyon relijye Alawou chita nan orijin li. Souvan yo jwenn endis de orijin nan non yon moun ak nan gwoup etnik li. Ann analize 2 eleman sa yo lakay Alawou.

3.1- Non Alawou a
San li pa bezwen konnen anyen sou prèv istorik, Sylviane Diouf chita analize li a sèlman sou non Alawou a ki dapre li sonnen tankou yon non mizilman. Men, lontan anvan Alawou te vin yon chèf lagè, li te kaptif (esklav) nan bitasyon Corrégeoles [Korejòl], ki chita nan Lakayè (Nòdwès Pòtoprens). Kòm li te wòklò, Alawou te sove anpil fwa. Nan lane 1774, mawonay repete li yo te koute administratè bitasyon Corrégeolles la chè :
"Dix-sept fois, l'habitation doit payer pour la prise d'esclaves mais ce ne sont que de petites sommes versées à la maréchaussée locale : 6 l. chaque fois, sauf quand Alaou fut repris à Saint-Marc le 16 janvier 1774 où il fallut débourser 16 l." (13)
Tradiksyon :
"Disèt fwa, bitasyon an te blije peye pou kaptif esklav men se sèlman ti kras tchotcho yo te peye estasyon lapolis lokal la : 6 liv chak fwa, eksepte lè yo te kenbe Alawou ankò nan Senmak nan jounen 16 janvye 1774, kote li te nesesè pou yo te peye 16 liv."
Epi istoryen yo ki te voye je nan papye envantè bitasyon sik Corrégeoles la, kote Alawou te kaptif (esklav), pa t jwenn okenn non mizilman :
"Rien à noter sur les noms : emmêlement de noms de soldats, de noms chrétiens et de noms africains (Samba, Jamby, Oenna, Hatuo ?). Aucun nom musulman. Chez les hommes comme chez les femmes, très peu de noms mythologiques : Cupidon, Narcisse, Vénus, Minerve. Les femmes ont presque toutes des noms chrétiens." (14)
Tradiksyon :
"Pa gen anyen pou di sou non yo : te gen plizyè non sòlda, non kretyen ak non afriken (Samba, Jamby, Oenna, Hatuo ?). Okenn non mizilman. Pou gason tankou pou fanm, te gen kèk non ki soti nan mitoloji : Cupidon [Kipidon], Narcisse [Nasis], Vénus [Venis], Minerve [Minèrv]. Fanm yo te prèske tout gen non kretyen."
Alawou te sètènman pa sèl ki te sove oswa mawon nan bitasyon Corrégeoles la. Lòt mawon de bitasyon sila te gen non klèman kretyen tankou :  
  • Rose [Ros],
  • Marie [Mari],
  • Charles [Chal] (Milat),
  • Marie [Mari] (Angle), 
  • epi Marie-Louise [Marilwiz].  
Sa demanti pawòl san prèv Diouf la ki te di ke mawon nan Sendomeng yo te majorite mizilman, oswa mizilman te dirije yo. Sa se yon deklarasyon fo ki te mete islam tankou kòz mawonay nan Sendomeng. Anplis, Alawou pa t kòmande yon bann mawon, jan Diouf te deklare l la. Kontèks politik apre 1791 la pa t mache pou mawonay klasik la ankò.

3.2- Etnisite Alawou?
Yon lòt fason nou ka verifye afilyasyon relijye Alawou chita nan etabli orijin etnik li, kidonk nan ki nanchon li te soti. Envantè, kidonk lis moun nan bitasyon Corrégeoles la revele plizyè gwoup etnik (Arada, Ibo, Cap Laou, Bambara, Congo, Nago, Cotocolys, Aquila, Taquaous, Foueda, Caramenty), men pa gen yonn nan yo ke nou ka asosye espesyalman ak islam


(Envantè bitasyon Corrégeoles la, nan lane 1774)
Sous : Chatillon Marcel, Debien G., du Boisrouvray Xavier, de Maupeou Gilles. Papiers privés sur l'histoire des Antilles. In: Revue française d'histoire d'outre-mer, tome 59, n°216, 3e trimestre 1972. pp.432-490.

Anplis de sa, apade lefèt ke tout gwoup etnik yo mansyone yo te fondamantalman tradisyonalis, envantè sa ki te fèt pou yon tan kout, te kite vid gwoup etnik anpil nan kaptif (esklav) yo (ke chèchè yo te klase "enkoni"). Akoz de sa, envantè a pa ede nou jwenn orijin etnik Alawou.
 

3.2.1- Alawou, Pila Pila a?

Nan yon atik ki te pibliye an 1958, Odette Menneson-Rigaud te pale de etnisite kidonk orijin etnik Alawou, dapre yon sipozisyon san prèv ke Jean Price-Mars te fè :
"Le Dr Price-Mars déclare qu'il [Halaou] devait être de la tribu des Pila-Pila du nord du Dahomey." (15)
Tradiksyon :
"Doktè Price-Mars deklare ke li [Alawou] te dwe soti nan tribi Pila-Pila ki nan nò Dawomen."
Nan Dawomen (peyi ki rele Benen jodiya), gen yon pèp ki rele Pila Pila toutbonvre. Pèp sila ak viv nan Nò a, nan rejyon Djougou a. Sepandan, pa gen okenn tèks kolonyal ki mansyone gwoup etnik Pila Pila a nan Sendomeng. Ni okenn nan varyasyon non nanchon sa abitye pran tankou : Kpilakpila, Pilas, Yoa, Yoas, Yom, Yoma, Yowa, elatriye. E pa gen done nan achiv yo ki fè konnen ke Alawou ta va sòti nan Pila Pila yo. Sa fè ke, nou pa konnen ki kote Price-Mars te ranmase enfòmasyon malatchong sila. 
Sou aspè islamik la, pifò pèp Pila Pila a te toujou rete tradisyonalis (animis), epi an 1975, se sèlman 40% mizilman yo te ye. (16) Sa vle di, Pila Pila up te tradisyonalis nèt nan moman koloni Sendomeng la. 
 

3.2.2- Halaou, Nago a?

Kolon Sendomeng (Ayiti) yo, ki te viv an menm tan ak Alawou, te inanim nan ekriti yo. Nan opinyon yo, Alawou te soti nan gwoup etnik Nago. Sa vle di, li te soti nan pèp yo rele Yoruba (Yowouba) jodiya. Pèp sila abite nan Nijerya, Benen, Togo ak nan lòt peyi. Nan Brezil, yo bay non Nago. Nan Kiba, yo rele yo Lucumi (Loukoumi). An Ayiti, yo konnen yo sou non Nago, Anago oswa Annago.****

a) Dapre kolon Pierre Poulain
Nan lèt li nan dat 25 fevriye 1793 bay Gouvènè Sontonax (Sonntonaks), Pierre Poulain ki te patisipe nan negosyasyon ak Alawou, te fè konnen ke Alawou te yon Nago :
"Documents concerning the leaders of the smaller bands in 1793 tell us something about them when the military situation in the north was more or less stabilized. For example, a Nago leader named Alaou irritated the higher military command to which he was supposed to be loyal by taking the title “commandeur générale.” (17)
Tradiksyon :
"Dokiman ki gen rapò ak lidè pi piti bann ak zam yo nan lane 1793 di nou plis bagay ankò sou estabilite sitiyasyon militè a nan nò peyi a. Pa egzanp, yon chèf Nago ki rele Alawou te anniye wo grade nan kòmandman militè a ke li ta sipoze fidèl a yo, lè li te pran tit "kòmandan jeneral" la."
an) Dapre kolon Pélage Marie Duboys
Pélage Marie Duboys ki t ap viv nan rejyon Lakayè (nan Lwès Sendomeng) kote Alawou te rete tou, te byen plase pou l te temwaye sou orijin Alawou. Epi, limenm tou, te di Alawou te Nago :

"... sous le vain prétexte qu'ils empêchaient l'effet de ses pourparlers avec le Nègre Halaou de nation Nago, ancien esclave de l'habitation Cotin..." (18)
Tradiksyon :
"... sou pretèks vag ke yo te anpeche enpak chita pale l ak Nèg Alawou a ki sot nan nanchon Nago, ansyen esklav bitasyon Cotin [Koten] an..."
Kidonk, Alawou te gen orijin Nago. Sa vle di, li te soti nan pèp Yoruba (Yowouba) a, ki se eritye a sivilizasyon Nòk la. Yon sivilizasyon ki te rive maton anpil nan eskilti wayal ki te fè an kwiv ak an tè kwit (fayans) :


Sous : https://www.nairaland.com/770881/art-architecture-yorubaland/5


Sous :  http://www.entwistlegallery.com/notable-sales/ife-terracotta-head

Wayote sila yo rele Oba, e ki imòtalize nan estati sa yo, li toujou jwenn adorasyon an Ayiti, nan chante nan rit Nago a, tankou sila :
 

Oba, Oba, dèniye
Nèg Nago sa nou te pèdi a
Se li n ape chèche
Oba, Oba, dèniye.

E nan mantalite ayisyen an, tout sa ki gen rapò ak mo "Nago" a, li konsidere kòm "zafè lagè" : kit se "Nèg Nago", ki vle di yon desandan Nago (gason kon fanm) ; kit rit Nago a oswa Nanchon sakre Nago a.



(Estati Oba, Wayote Yoruba (Yowouba))
Sous : http://www.egyptsearch.com/forums/ultimatebb.cgi?ubb=get_topic;f=15;t=008642;p=1

E baze sèlman sou etnisite Alawou, li enposib ke li ta mizilman. Paske Yoruba  (Nago) yo, k ap viv nan Nijerya ak nan Wayòm Dawomen (Benen) te kòmanse konvèti nan islam sèlman pandan djihad (oswa lagè sent) Ousmane Dan Fodio a nan mwa fevriye 1804. Djihad sa te kòmanse yon mwa apre endepandans Ayiti. Epi prèske 13 lane apre kòmansman Revolisyon ayisyen an ansanm ak fen biznis enpòte kaptif (esklav) nan Sendomeng.

 

4- Pratik Yoruba (Nago) Alawou

Pwiske tèks kolonyal yo fin tabli orijin Nago Alawou, annou obsève tras orijin sila nan aksyon militè Alawou. De nan zafè ki pèmèt yo rekonèt Alawou se : 1) prezans pèmanan yon kòk blan bò kote l ; 2) lake zannimo ke sòlda li yo abitye itilize kòm majik. 
Ann wè ansanm si 2 zafè sa yo gen rapò ak etnisite Nago Alawou.
 
4.1 - Alawou ak kòk majik la
Alawou, ki te toujou akonpaye ak yon kòk majik blan, te jwi de otorite mistik sou zòt :
"Les insurgés du Cul-de-Sac avaient à leur tête un africain, nommé Halaou, d'une taille gigantesque, dune force herculéenne.
Il régnait sur ses bandes par la superstition, tenant toujours sous le bras un grand coq blanc qui lui transmettait, prétendait-il, les volontés du ciel. Il marchait précédé de tambours..." (19)
Tradiksyon :
"Rebèl nan Kildesak yo te gen pou chèf yon Afriken, ki rele Alawou, li te wotè yon jeyan, ak yon fòs Èrkil.+
Li te gouvènen sou bann li yo ak sipèrstisyon, anba bra l, li te toujou kenbe yon gwo kòk blan ke li te pretann, transmèt volonte syèl la bay li. Li te mache ak kout tanbou annavan li..."
Ignace Nau pa t lage orijin kòk majik Alawou a, nan men islam. Li te lage l nan men yon caplata (Kaplata), oswa yon caprelata,++ kidonk, yon gwo dirijan nan relijyon tradisyonèl la :
"Un soir d'heureuse mémoire, il s'arrêta et campa aux environs des habitations Meilleur et Lassère. Il [Halaou] fit venir un caplata et lui ordonna de commencer les cérémonies qu'il désirait voir terminer afin de reprendre l'oeuvre que le ciel l'avait destiné à accomplir. Cet homme, habile dans son métier, s'avança d'un air calme et présenta au terrible Halaou un gros coq tout blanc. Ceci, lui dit-il, sera votre coq merveilleux; vous n'accomplirez jamais rien sans préalablement le prendre et le caresser : vous et vos hommes vous le défendrez, car c'est votre bannière, car c'est votre talisman." (20)
Tradiksyon :
"Yon aswè ki fè kè kontan lè w sonje l. Li [Alawou] te fè yon kanpe epi fè baz li toupre bitasyon Meilleur ak Lassère a. Li [Alawou] te voye chèche yon kaplata epi li te bay lòd kòmanse seremoni yo ke li te vle fini vit pou l te ka reprann travay ke syèl la te destine l pou akonpli a. Nonm sila, ki maton nan metye l, te avanse ak yon lè kalm epi li te prezante bay nèg tchak Halaou a yon gwo kòk tout blan. Kòk sa a, li te di, li pral kòk majik ou ; ou pap janm akonpli anyen san anvan ou pa pran li epi karese li : wou ansanm ak sòlda w yo ap defann li, paske li se banyè ou, paske li se pwoteksyon majik ou."
Lefètke Alawou te genyen kòk blan sila koresponn ak yonn nan senbòl Obatala, ki se Divinite premye tan an nan lis Divinite klasik Yowouba (Nago) yo :


(Divinite Obatala a ki kenbe kòk blan an, senbòl li)
Sous : https://www.amazon.com/Obatala-Statue-Orisha-Figurine-Powerful/dp/B01N2W1U4Q

Kòk blan (oswa zwazo blan) sila ki reprezante Obatala, li pa òdinè menm. Paske, nan istwa tradisyonèl Yowouba yo, yon kòk (nwa) te patisipe nan Kreyasyon mond la. Paske nan kòmansman an, mond la te divize an 2 domèn separe : mond nan syèl la, ki se domèn Bondye a, Olorun (Oloroun) oswa Oludumare (Olodoumare) ; epi mond nan dlo a, ki se domèn Olokun (Olokoun). Epi, Oduduwa (Odoudouwa), Divinite a, ki se frè (oswa doub) Obatala, Bondye Siprèm an, Olurun/Oludumare (Oloroun/Oloudoumare) te bay travaay kreye tè a.


(Oduduwa (Odoudouwa) pandan l ap kreye mond la)
Sous : http://luzdeolorun.wixsite.com/luzdeolorun/olorun

Lè Oduduwa desann soti nan syèl la sou yon chèn, li gen nan men li yon kòk, tè, epi grenn pou plante. Nan Ile Ife (peyi Nijerya), li te vide tè a, epi li te lage kòk la, ki, pandan l ap fouye pou l jwenn grenn yo, te gaye tè a ki te vin tounen mond la.


(Oduduwa k ap desann soti nan syèl la ak kòk premye tan an, nan Ile Ife, Nijerya)
Sous : Iwese Ahua. http://blog.bookingsnigeria.com/ile-ife/
 
Sous : https://www.maria-online.us/software/article.php?lg=pt&q=Odudua


(Estati Oduduwa ak kòk premye tan an, nan Ile Ife, Nijerya)
Sous : The British Museum (presentation). Kingdom of Ife : Sculptures from West Africa.

ISe konsa Ile Ife, vil an Nijerya a, te "Kote Elajisman" mond la te fèt. Paske mo Yoruba "Ife" a vle di "Kay, Zonn oswa Kote", pandan ke "Ife" vle di "Elajisman". E kanta pou Obatala, Divinite oswa Orisha (Oricha) a, li pa t rete kanpe gade. Se limenm (antanke fi oswa gason) ki te moule kò moun ak ajil. Epi li te soufle lavi nan yo.
Nou ka di ke Alawou, Yoruba-Nago a, pandan li t ap mache sou chan batay ak kòk blan an, li t ap opere anba gidans Obatala. Kòm Alawou te fèt nan "Lafrik", li te konn istwa Obatala a byen, ansanm ak siyifikasyon senbòl Obatala yo ke li t ap itilize. Men, kote tras senbòl sa yo an Ayiti?

4.2 - Alawou ak senbòl Yoruba (Nago) yo an Ayiti
Oduduwa ak Obatala ke yo venere lakay Yoruba (Nago) yo nan Nijerya, yo jwenn adorasyon tou nan Benen, Togo, ak nan plizyè peyi nan Amerik la (Kiba, Brezil, Trinidad, elatriye) kote tradisyon Yoruba a toujou kontinye. An Ayiti, Oduduwa jwenn onè nan rit Nago a, nan non Odoudouwa, Olicha Odoudouwa, elatriye. Obatala, ke yo rezève premye salitasyon rit Nago a pou li, nan fòm maskilen li, yo rele l Ogoun Batala. E Grann Batala oswa Manbo Batala reprezante fòm feminen li. Me yonn nan vèvè (desen sakre) Ogoun Batala :


(Vèvè Ogoun Batala, nan relijyon tradisyonèl ayisyen an)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.257.


Zwazo Yoruba (Nago) a ki te patisipe nan kreyasyon mond la, nou wè li nan dekorasyon asòtò sila, ki se yon tabou sakre nan relijyon tradisyonèl ayisyen an :


(Tanbou sakre asòtò a ki dekore ak senbòl Yoruba (Nago))
Sous : Alfred Métraux. Le vaudou haïtien. Paris, 1958. p.164.

Senbòl ki akonpaye zwazo a sou tanbou a sètifye ke li Nago. Li se yon senbòl Yoruba ki ansyen anpil. Akeyoloji demontre ke li nan Nijerya depi alantou lane 1300 nan epòk kretyen an :


(Artefak Yoruba nan Ile Ife, ozanviwon lane 1300 nan epòk kretyen an)
Sous : Suzanne Preston Blier. Art and Risk in Ancient Yoruba: Ife History, Power, and Identity, c. 1300. New York, 2015. p.153.

Prezans yon senbòl Yoruba ansyen nan yon objè adorasyon ayisyen temwaye de kontni Nago ki genyen nan relijyon tradisyonèl ayisyen an, malgre ke relijyon sa fèt ak plizyè Nanchon. Senbòl sila parèt souvan nan yon dal vèvè Nago. Me li nan vèvè sila pou Lwa oswa Jany Channgo :

 (Vèvè Ogoun Channgo)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.283.

Epi senbòl sa ki nan vèvè Nago Ayisyen an, èske nou pa jwenn nan dekorasyon sakre si sou  kò gwo dirijan relijye Yoruba sa yo, nan Nijerya?



(Dirijan relijye Yoruba ki dekore ak senbòl yo, nan Ile Ife)
Sous : https://www.nairaland.com/2502510/thread-dedicated-orisa-nla-obatala
   
Bagay sa mennen nou pale de lake zannimo (chwal, bèf) ke sòlda Alawou yo te konn itilize pou majik yo.


5- Sòlda Alawou yo ak lake zannimo yo

Konsidere ke rebèl nan Lwès Sendomeng (Ayiti) yo te reyini pa gwoup etnik, e ke Alawou te yon Nago (Yoruba), konsa nou kapab di ke sòlda li yo pa t goumen ak èd islam, men pito ak èd Orisha yo, ki se Divinite zantray Yoruba (Nago) yo. Tèks istorik yo ban nou rezon. Paske, dapre yon istwa Ignace Nau, yon istwa ke anpil istoryen te konfime, sòlda Alawou yo te itilize lake zannimo pou yo te repouse bal lènmi yo ak majik :
"Chacun de vos soldats se munira de queues de chevaux et de boeufs qu'il tournoiera dans l'air en courant à la bataille : alors le canon se fondra à votre approche et la poudre se liquéfiera sous la mèche de vos ennemis." (21)
Tradiksyon :
"Chak nan sòlda ou yo pral pote lake chwal oswa bèf ke li pral vire anlè pandan l ap kouri al nan batay : lè sila, kanno ap fonn sou apwòch ou epi poud kanno ap tounen likid anba mèch lènmi ou yo."
Lakay Yoruba yo, lake bèf majik yo te sèvi kòm senbòl anpil Divinite oswa Orisha (Oricha). Yo rele lake sa yo iruke. Epi gwo dirijan relijye Yoruba yo te itilize iruke sa yo :
"Iruke, s. (...) cow-tail carried about by the babalawos..." (22)
 Tradiksyon :
"Iruke, s. (...) lake bèf ke babalawo yo pote ak yo…"


(Lake zannimo (iruke) nan sèvis lakay Yoruba nan Nijerya yo)
Sous : https://kwekudee-tripdownmemorylane.blogspot.com/2013/12/olokun-deity-and-its-various-olokun.html

Kidonk, nan mitan sòlda Alawou yo, te gen Babalawo (mo ki vin tounen "Papa Lwa" an Ayiti), sa ki vle di prèt Ifa, ki se gwo lidè relijyon tradisyonèl la. Epi sou chan batay yo, Babalawo sa yo te manyen lake bèt yo ke Yoruba (Nago) yo rele iruke. Nan tradisyon relijye Nago ayisyen an (kote Olicha se non yon Lwa Nago), mo iruke Youruba yo te sakre nan Divinite Rouke oswa Wouke, ki se yonn nan fòm Ogoun, ki se Lwa oswa Jany lagè. 
Nan Brezil ak nan Kiba, (kote Yoruba yo gen non Nago oswa Lucumi) yo kenbe tradisyon lake zannimo iruke a, nan sèvis relijye Yoruba yo. Men, an Ayiti, yo pa kenbe tradisyon sèvi ak lake zannimo nan sèvis relijye yo. Dènye referans sou lake zannimo kòm objè konsakre nan sèvis relijye ayisyen, sa remonte nan lane 1878 :
"Kilt Vaudoux [Vodou] a se kilt lespri yo. Papa yo, ki se jan de prèt Afriken, yo se bon jan bòkò, ki, nan relasyon yo ak mond envizib la... (...) Yo gen lotèl nan kay yo, kote w ap jwenn, nan mitan imaj sen yo epi kwa yo, lake bèf, wòch won sedimantè, ke yo rele wòch loray,+++ plant, ke yo kwè gen valè nan yo." (Trad.) (23)
Sa se pawòl François Eldin, yon pastè franse ki te pase plizyè lane an Ayiti, kote li te asiste seremoni tradisyonèl. François Eldin te asosye itilizasyon lake bèf yo dirèkteman ak sa li te rele "kilt Vaudoux" a.
  
5.1- Orijin ak fonksyon militè lake zannimo yo
An Ayiti, anplis de Divinite Rouke oswa Wouke a, mo kreyòl ki se "rouke" oswa "wouke" a se sinonim (kidonk li vle di menm bagay ak) "kriye", "rele", "plenn", elatriye. Siyifikasyon sila soti nan lefèt ke "rouke" oswa "wouke" refere a rèl tris chen bay nan mitan lannwit, e ke moun yo entèprete tankou lamantasyon chen yo an kont move lespri. (24) Sa fè nou sonje itilizasyon prensipal iruke Yoruba a ki, lè yo vire li nan lè, fè yon bri ki chase tout sa ki mal. Yon chante sakre pou Ogoun Aleman reflete agiman nou :


Rouke, o rouke non.
Lè Lwa m ap chante, o se malè…

Konsa, lè Babalawo Alawou yo te vire iruke yo nan lagè, gen pi fò chans ke yo t ap leve van kosmik Oya oswa Yansa, ki se yon Deyès lagè lakay Yoruba (Nago) yo.



(Nan Nijerya, desen Oya ansanm ak senbòl li yo, ki genyen Iruke a ladan l)
Sous :  https://aworisa.weebly.com/blog/ir-la-tierra-de-oya

Pou Yoruba (Nago) yo, Oya oswa Yansan (se konsa yo rele li an Ayiti, kote yo konsidere li kòm yon gason) se Mètrès Van, Dlo dous (Larivyè Nigèr a) ak lanmò. Non li, Yansan, soti nan Iya Isán, ki nan lang Yoruba, fòme ak : Iya (Fanm, Manman, Mètrès, elatriye), epi Isán, ki vle di "Tanpèt" ansanm ak "Nimewo Nèf". Kidonk, Yansan se "Fanm, Manman oswa Mètrès Tanpèt la", menm jan ke li  "Fanm, Manman oswa Mètrès Nimewo Nèf la".


(Oya (Yansa), Divinite lagè a, ansanm ak iruke li ak lòt senbòl)
Sous : https://www.darkknightarmoury.com/p-34195-goddess-oya-statue.aspx

Paske, si lanmò rive, Oya, ak èd lake bèf (koulè nwa) a, ki reprezante li, pral akeyi sòlda a nan peyi san chapo, nan yonn nan 9 syèl ki matche ak jan sòlda te aji lè l te vivan sou latè. (25)

5.1.1- Oya/Yansan ak chante lagè a
Konbinezon Oya/Yansan an, ki se Divinite lanmò ak Mètrès Dlo Dous, sa parèt nan yon chante lagè ki di "la poud cé dlau", (poud se dlo). Chante sila te eksprime espirityalite sòlda Alawou yo, paske lè yo defye lanmò, se Yansan yo t al rankontre :
"Apresa, caplata [kaplata] a te mande pou swasanndis a katreven nonm ke li te bay tanbou asòtò, lanbi ak moso chodyèr bildiv, e li te fòme yon bann mizisyen pou antouraj Alawou. Kou siyal la bay, yon serenad tchak te blayi. Lanbi yo te sonnen fò ak grav anpil, tanbou yo te frape epi chodron yo, ki te frape yonn ak lòt, te pwodui son terib, ki bay kè sote e ki fè san koule nan zòrèy. (…) Yon koral te enprovize, epi chante popilè sila te pete.

Halaou ! tym, pan, dam !
Canon cé bambou : tym, pan, dam !
La poud cé dlau : tym, pan, dam !

Nan mitan lame atantif sila, Alawou t ap monte desann, ak yon lanmou nètalkole pou mizik sila..." (Trad.) (26)
Me tradiksyon chante lagè Alawou a non Kreyòl modèrn :


Alawou ! tim, pan, dam !
Kanno se banbou : tim, pan, dam !
Poud se dlo : tim, pan, dam !
 

Chante lagè sila mache byen ak rèl djanm rebèl nan Lwès yo, ansanm ak zak yo, nan lane 1792-1794 yo, jan temwen yo te dokimante sa. Chante lagè sila bay plizyè sijesyon de pratik militè ak tradisyonalis twoup Alawou a. Paske
:

  • Mo enpòtan tankou caplata, assotor, tambour, lambi, ke yo toujou itilize nan rityèl tradisyonèl ayisyen an, yo te asosye ak chante lagè sila. 
  • Epitou, pwiske islam pa genyen chante lagè, e ke relijyon sa entèdi yo sèvi ak mizik pou zafè lagè, Alawou ak twoup li yo pa t mizilman. 
Sepandan, sa pa vle chante lagè sila te Nago. Li mache ak yon kout tanbou Kongo ki jwe nan dans relijye ak nan fòlklò. Li montre ke rebèl nan Lwès yo te fè pati de yon gwo gwoup ki te chaje ak Nanchon, byenke yo te plase nan batayon etnik separe. Pandan ke eleman dlo a raple sòlda Nago yo Divinite yo ki se Yansan oswa Oya. Men kòlèg yo ki te soti Kongo/Angola, lè yo te konn rele "dlo, dlo" pandan yo t ap blayi sou lènmi an, se an koneksyon ak Maza.


(Estati yo rele Nkisi, pou Divinite Mbumba Maza, nan Kongo/Angola)
Sous : Photo Patrick Gries. Musée du Quai Branly : la collection.

Dlo, ke yo rele Maza nan lang Kikongo ak pa lòt pèp nan menm zonn an, li se yon Divinite premye tan nan visyon kosmik pèp Kongo ak Angola yo. Koki sila raple nati dlo Maza. Nan rityèl tradisyonèl ayisyen an, Maza fòme yon fanmi Lwa/Jany lagè. Fanmi Lwa sa gen ladan l Prinnga Maza, Louvengou Maza, Kita Maza, Kriminèl Maza, Jonkiy Maza, elatriye. Gen ladan l tou Boumba Maza ki asosye ak simityè yo ak mond mò yo.


(Vèvè Boumba Maza, nan relijyon ayisyen an)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.440.

Se poutèt sa, malgre diferans yo, Yoruba (Nago) yo ak pèp yo rele Kongo yo, te gen kèk resanblans nan vizyon yo de lanmò ak lavi apre lanmò. Sepandan, Yansan pa Grann Brijit (Lwa, Divinite lanmò a), jan kèk endividi ap mache repete.




6- Alawou pa t manje halal

Konplo politik yo ki te mennen lanmò Alawou a temwaye tou de afilyasyon relijye l ki pa t islamik. De evènman demontre sa : a) repa Alawou ak Komisè franse Sonthonax (Sonntonaks) ; epi, an) repa Alawou ak Bauvais (Bovè) Kòmandan milat la.

a) Repa Alawou ak Komisè Sonthonax
Kòm islam pa t egziste lakay Alawou, nan lane 1794, li te apwoche Sonthonax. Komisè franse sila te apèn sòt lage libète bay kaptif (esklav) nan Nò yo ki te aksepte pote zam pou defann koloni a kont fòs ostil yo :
"Gagné par Guyambois, Halaou voulut connaître ce Sonthonax, ce blanc qui avait le premier proclamé la liberté générale dans le Nord, tandis que son collègue marchait à pas lents dans cette voie. (...) Halaou était préparé à l'admiration, et Sonthonax lui-même (car il était homme) à consentir à être une idole. (...) Halaou vint donc au Port-au-Prince, le 9 février : ses bandes formaient une armée. (...) Sonthonax dut paraître devant elles et leur chef, avec tout l'appareil de la puissance nationale, tout le prestige de sa brillante renommée. Il fut au-devant d'Halaou, le félicita pour mieux le fasciner par son ascendant, le dominer avec les siens et leur donner à tous une bonne direction, pour défendre la colonie, pour défendre la liberté ; car cette dernière cause surtout était menacée." (27)
Tradiksyon :
"Limenm ke Guyambois [Giyanmbwa] te konvenki, Halaou te vle konnen Sonthonax, blan sila ki te premye pwoklame libète jeneral nan Nò a, pandan kolèg li a t ap mache dousman nan direksyon sila. (...) Halaou te prepare pou bay admirasyon, epi Sonthonax limenm (paske li te yon nonm) te konsanti pou yo fè l yon idòl. (...) Halaou rive nan Pòtoprens le 9 fevriye : bann li yo te fòme yon lame. (...) Sonthonax te blije parèt devan yo ansanm ak lidè yo, avèk tout aparèy pouvwa nasyonal la, tout prestij ki nan kokennchenn renome l la. Lè l te devan Halaou, li te felisite l pou l ka plis fè l damou otorite l, pou l domine l ansanm ak kanmarad li yo, epi pou l ba yo tout yon bon direksyon, pou defann koloni an, pou defann libète ; paske dènye koz sila te sitou menase."
Otorite Sonthonax sa sou Alawou, se pa koze kredi. Li konkretize pa dine Alawou te dine a sou tab Sonthonax. Manje nan mannyè franse sila te vini ak diven, menm ak yon dine Jeneral Leclerc te ofri Tousen Louvèti nan dat 6 me 1802. (28) E dine sila ki te gen alkòl, sa pa mache ak kondisyon halal ke doktrin mizilman an mande :
"Nous n'ignorons pas que nos traditions rapportent, que Sonthonax parla mystérieusement à Halaou, à l'oreille, et qu'il l'exhorta à retourner à la Croix-des-Bouqets pour assassiner Bauvais, après un repas qu'il lui fit servir et auquel il assista lui-même, en se plaçant à table à côté de ce noir." (29)
Tradiksyon :
"Nou pa inyoran ke tradisyon nou yo rapòte, ke Sonthonax te pale anbachal ak Halaou, nan zòrèy li, e ke li te ankouraje li retounen nan Kwadèboukè pou touye Bauvais, apre yon repa ke li te sèvi li e ke li te patisipe limenm tou, lè li te chita sou tab akote nwa sila."
Pandan repa sila, Komisè franse a te pwopoze menm admiratè li, ki se Alawou, pou li asasinen Bauvais, jeneral mital la. Antouka, se pawòl ki te fè bri nan tan sila. E kèk endividi ki enplike te kwè l vre.

b) Repa ak Kòmandan Bauvais

Jan l te fè pou Sonthonax, Alawou te aksepte envitasyon manje ak Bauvais. Natirèlman, kòm li pa t yon mizilman, Alawou pa t gen pou l enkyete l de anpechman ki genyen nan manje halal :
"Que se passait-il dans ce bourg depuis l'arrivée d'Halaou et de ses gens? Bauvais, qui ignorait les appréhensions de l'opinion générale ; incapable de tendre un piège à Halaou, par la droiture de ses sentimens, par la loyauté de son caractère ; trop brave, trop courageux pour craindre cet homme et pour concevoir lui-même l'idée d'un meurtre ; Bauvais l'avait invité avec quelques-uns de ses sorciers à entrer chez lui pour leur faire servir des rafraîchissemens ils étaient tous assis autour d'une table, Halaou tenant toujours son coq blanc." (30)
Tradiksyon :
"Kisa ki te pase nan bouk sila depi rive Halaou ak moun li yo? Bauvais, ki pa t okouran de enkyetid ki te blayi toupatou ; limenm ki pa t kapab meten yon pèlen pou Halaou, akoz de senserite ki nan santiman l, lwayote ki nan karaktè l, li twò brav, li gen twòp kouraj pou l ta gen krentif nonm sila, e pou l ta devlope lide touye moun ; Bauvais te envite l, ansanm ak kèk nan bòkò li yo, antre nan lakay li pou l sèvi yo rafrechisman ; yo tout te chita sou tab, Halaou te toujou kenbe kòk blan li."
Envitasyon Bauvais te fè Alawou a pou l vin "rafrechi" li, sa enplike bwè alkòl. E yon fwa ankò, kòm li pa t mizilman, Alawou pa t gen pwoblèm ak òf la. Li te "chita bò menm tab la" pou li te bwè diven. Men malerezman, se te dènyè bweson li te bwè. Paske lakrentif ke Alawou ta pral egzekite chèf yo sou lòd Sonthonax, te fè kèk sòlda Bauvais entewonp dine a. Epi nan ti pyès la, yo te tire Alawou ak asistan li yo :
"Les deux officiers qui avaient précédé Marc Borno n'avaient encore rien ordonné ; mais celui-ci, aussitôt son arrivée, donne l'ordre à un sergent noir de la légion, nommé Phelippeaux, de pénétrer, dans les appartements avec quelques autres soldats, et de tuer Halaou. En entrant, le sergent trouve Bauvais assis à côté de lui ; (...) Bauvais, qui n'en sait pas souffrir de semblable, demande ses pistolets et se lève pour mieux agir contre les soldats indisciplinés. Ce mouvement facilite l'action de Phelippeaux et des autres ; Halaou et deux de ses officiers, toujours assis et ne se doutant pas de leur but, tombent morts. Bauvais reste étonné de ce résultat..." (31)
Tradiksyon :
"De ofisye yo ki te anvan Marc Borno yo pa t ko bay ankenn lòd ; men msye, sito li rive, te bay yon sèjan nwa nan rejiman an, yo rele Phelippeaux [Felipo] lòd antre nan apatman yo ak kèk lòt sòlda, epi touye Halaou. Pandan l ap antre, sèjan an te jwenn Bauvais chita bò kote l ; (...) Bauvais, ki moun ki pa sitire jan de bagay konsa, te mande zam li, epi li te kanpe pou l te ka aji sòlda dezobeyisan yo. Mouvman sila te fasilite aksyon Phelippeaux ak pa lòt  yo ; Halaou ak de nan ofisye l yo, ki te toujou chita epi ki pa t gen okenn lide sou objektif yo, te tonbe atè, mò. Bauvais te rete sezi de rezilta sila..."
Apre yo te sasinen Alawou an lach, batay te pete ant sipòtè li yo (ki "Afriken", tradisyonalis, epi sòlda mazèt) kont fòs Bauvais yo (ki Kreyòl, kretyen, epi militè ak eksperyans) :
"Les compagnons d'Halaou qui y ont échappé se précipitent hors des appartemens de Bauvais; ils font un appel à leurs camarades pour venger la mort de leur chef. Alors survint une mêlée affreuse entre eux et les hommes de la légion. Le combat devint inégal entre cette troupe bien arosée, bien exercée, pourvue d'artillerie et de cavalerie, et des hommes fanatisés par des superstitions grossières, qui, dans leur ignorance non moins grossière, agitaient en l'air des queues de boeuf pour rendre inefficaces la mitraille et les balles qui pleuvent sur eux. Ils sont forcés de fuir, en faisant autant de mal que possible à leurs ennemis." (32)
Tradiksyon :
"Kanmarad Halaou yo ki te chape sa te prese soti nan apatman Bauvais yo; yo te mande kanmarad yo pou yo vanje lanmò lidè yo. Lè sila, yon batay terib pete ant yo ak sòlda rejiman an. Batay la pa t egal ant twoup byen ame, ki byen antrene, ekipe ak kannon ak cheval, kont yon bann ke sipèrstisyon koryas rann fanatik, ki, nan inyorans koryas yo, te balanse lake bèf an lè pou sa ra rann mwens efikas kout mitrayèt ak bal ki t ap tonbe kon lapli sou yo. Sa te fòse yo kouri, pandan yo fè mal lènmi yo plis mal ke yo te kapab."
Kidonk, lè nou jije kontak fasil, san jennen, ke Alawou te genyen ak Sonthonax epi Bauvais, pa gen okenn dout ke li te opere nan yon mannyè tradisyonalis, ki pa t islamik.


6.1- Lakòz tradisyonalis lanmò Alawou a

Lè li te dekri manje (ki pa halal) ke Alawou te fè sou envitasyon Beauvais a, kolon Pelage-Marie Duboys, ki t ap viv nan menm tan ak Alawou, te mete lakoz lamò Alawou a, pa sou do islam, men sou lefètke Alawou te neglije avètisman kòk maji li a. Duboys te remake tou ke Alawou te antoure pa "ouan gas" (wanga), ki se yon mo ki toujou refere a majik tradisyonalis la an Ayiti :
"Halaou redescendit en plaine au bout de quelques semaines. Il se cantonna, selon sa coutume, au pied du morne avec sa bande. Aussitôt que Montbrun et Pinchinat en furent instruits, ils engagent Bauvais à l'inviter à un déjeuné avec ses principaux officiers et ils mandent en même temps à Marc Borno qui commandait un poste avancé vers Léogane, de se rendre en diligence, à la Croix-des-Bouquets, au jour indiqué pour le déjeuné, et lui ordonnent de les débarrasser de ce Nègre et de sa bande. Marc Borno exécute ponctuellement leur ordre et, le 9 mars, Halaou qui se reposant sur les ouangas dont il était bardé avait méprisé les augures que lui avait donné son coq, est fusillé à la table même du Commandant Bauvais, par une escouade de la légion de l'égalité." (33)
Tradiksyon :
"Halaou te desann laplèn nan yon kèk semèn. Li te kanpe, kòm dabitid, anba mòn an ak bann li a. Apènn ke Montbrun ak nan Pinchinat te konnen sa, yo te fè Bauvais envite l dejene ak gwo ofisye li yo, epi an menm tan, yo te mande Marc Borno ki kòmande yon pòs avanse vè Leyogàn, pou li ale nan dilijans nan Kwadèboukè, nan jounen endike pou dejene a, epi li bay yo lòd debarase yo de Nèg sila ansanm ak bann li a. Marc Borno egzekite lòd la lapoula epi, nan 9 mas, Halaou ke ki baze sou ouangas (wanga) ke li te bade tèt li avèk l, te meprize prediksyon ke kòk li a te ba li, e eskwad rejiman egalite a te fizye l sou tab kòmandan Bauvais a menm."
Nan yon tèks ki date 1837, otè ayisyen Ignace Nau tou te fè konnen ke Alawou te pran konsèy nan men yon "Caplata" (Kaplata) tradisyonalis ki pratike "vaudoux" ; e ke Alawou te fè yon erè fatal lè li te neglije konsèy li :
"L'exemple de Halaou était encore récent : mais s'il avait succombé disait-on, c'était parcequ'il n'avait point observé à la lettre les conditions et les conseil du caplata. On avait vu ses milliers d'hommes nus et sans armes se ruer contre le fort de la Croix-des-Bouquets ; on les avait vus tomber par centaines sous les batteries meurtrières. Cependant, refermant aussitôt ces larges trouées que la mitraille fesait dans leurs rangs désordonnés; et tournoyant dans l'air des queues de bœufs, talismans auxquels ils ajoutaient une foi aveugle, ils entonnèrent des chants sinistres aux sons plus sinistres encore des lambis, et ils allèrent tous mourir à la gueule même du canon avec la pleine conviction d'être invulnérables.
Il était minuit quand les chefs avaient réunis les vingt-et-un vaudoux sous la grande tonnelle dressée à l'occasion de la cérémonie de la consultation." (34)
Tradiksyon :
"Egzanp Halaou a tou fre : men si li te mouri, yo te di, se te paske li pa te tobsève kondisyon ak konsèy caplata a jan sa dwa. Nou te wè milye nonm toutouni, san zam li yo vide sou fò nan Kwadèboukè a ; nou te wè yo tonbe pa santèn anba kannon fann fwa yo. Sepandan, lapoula yo te refèmen gwo twou yo ke boulèt kannon yo te fè nan ranje dezòdonnen yo; epi pandan yo t ap vire nan lè lake bèf yo, ki se pwoteksyon majik ke mete konfyans avèg ladan l, yo t ap blayi chante tchak yo ki bay ki plis matchavèl pase lambis (lanbi), yo, epi yo tout t ale pran lanmò nan bouch kannon an menm ak yon gwo manman konviksyon ke yo te envensib.
Li te minwi lè chèf yo te rasanble venteyen vaudoux (vodou) anba gran tonèl la yo te monte nan okazyon seremoni konsiltasyon an."
E apre lanmò Alawou a, chwa politik ansyen sòlda li yo demanti pawòl ki di ke yo te pran zam akoz de islam. Paske Zamore (Zamò), yon gwo ofisye Alawou, te rejwenn lame franse (kretyen) Komisè Polvérel la. Yon lèt Komisè Polvérel (Pòlverèl) nan dat 16 avril 1794 te pale de sa :
"L’affricain Zamore, capitaine de la troupe d’Alaou, vient de se rendre devant nous et d’offrir ses services à la République. Il nous dit qu’il a sous son commandement sur l’habitation Meggy, 16 hommes armés de fusils… Nous vous prions de donner les ordres nécessaires pour qu’une patrouille d’anciens et de nouveaux libres, se transporte sur cette habitation… et se [fasse] remettre les 16 fusils. Il est essentiel pour le bon ordre des campagnes que les affricains sortant soit du camp espagnol soit du camp des révoltés contre la République, ne puissent être armés à moins qu’ils s’incorporent dans la Légion.” (35)
Tradiksyon :
"Zamore, Afriken an, ki kapitèn nan lame Alaou a, apèn te vini devan nou epi li te ofri sèvis li bay Repiblik la. Li di nou ke li gen anba kòmandman li, nan bitasyon Meggy a, 16 zòm ak zam... Tanpri pase lòd ki nesesè pou yon patwouy ansyen ak nouvo lib, ka ale sou bitasyon sila... epi pou yo [fè yo] remèt yo 16 fizi yo. Li enpòtan pou lòd nan kanpay yo ke Afriken yo ki soti swa nan kan panyòl yo oswa nan kan rebèl kont Repiblik la, pa kapab gen zam si yo pa rantre nan Lejyon an."
Konsa, relijyon kretyen lame franse a pa t yon pwoblèm pou Alawou, ni pou konbatan li yo ; espesyalman apre Sonthonax te simen libète nan Nò a. Si Alawou pa parèt nan lis ewo ki pi popilè nan Revolisyon ayisyen an, vanyan li, kouraj li, ak odas li te ede rann mo Nago a chita solid nan memwa relijye ak kiltirèl Ayiti. Epi reyalite Nago sila, pa gen dout ke li mache ak imaj yon sòlda tradisyonalis tchak ke tout nasyon ayisyen an idantifye a li ak fyète.
 


* Romaine Rivière (Romèn Rivyèr) alyas Romaine La Prophétesse (Romèn Lapwofètès) te yon "grif", sa vle di li te pitit swa yon gason Nwa ak yon Milatrès, oswa pitit yon fi Nwa ak yon Milat. Sa vle di tou ke li te nesesèman yon Kreyòl (ki te fèt nan kontinan Lamerik la). Men, kanmenm, Terry Rey, ki yon revizyonis kretyen, te wè zak pwofetik Romèn yo tankou enfliyans yon Pwofètès kongolèz yo te rele Béatrice Kimpa Vita. (36) Agiman Terry Rey a pa kanpe sou anyen pou plizyè rezon, ki gen ladan l :
1) Romèn te yon Kreyòl. E pa gen dokiman ki montre oswa ki ta menm vle di ke li te gen san Kongo. Anplis, kòm Kimpa Vita te mouri nan peyi Kongo 75 lane anvan sa, an 1706, enfliyans li ta dwe pase nan men plizyè generasyon anvan li ta rejwenn Romèn. E yon pasasyon konsa ta va kite tras nan memwa kolektif ayisyen an

2) Malgre ke Béatrice Kimpa Vita te di ke Lespri Sen Antwàn de Padou te toutan abite l, sa pa vle di ke se te yon eritaj Kongo, lefètke Romèn te yon travèti, kidonk li te konn abiye ak rad fi. Paske, an Ayiti, kote abiye tankou sèks opoze a se yon banalite nan espirityalite, gen yon madigra ki travèsti nan kanaval ke yo rele Lamayòt. E Lamayòt pa refere a Kongo, li refere pito a Mayòt, ki se yon zile nan Oseyan Endyen an, kote kèk kaptif (esklav) nan Sendomeng te soti.
3) Tradisyon genyen pwofèt la, ki popilè anpil nan peyi Kongo, li pa egziste an Ayiti. Kidonk, si Kongo te sous zak pwofèt Romèn an, jan de lidè tankou li ta va parèt nan lòt pati nan peyi a, epi nan epòk diferan. Epoutan, apre Romèn pa gen okenn lòt pwofèt yo te rapòte.
4) "Ngunza", mo Kikongo sila ki vle di pwofèt, e ke yo te itilize pou Béatrice Kimpa Vita, yo pa t aplike l pou Romèn Lapwofètès, jan Terry Rey te pretann an. Prèv de sa, se ke "Ngunza" pa egziste nan sèvis zantray ayisyen ; pandan ke mo Kikongo "Nganga" a, ki se tit mèt tradisyonalis yo, e ke Kimpa Vita te posede anvan li te vire nan mouvman li an, mo sila, yo kenbe l an Ayiti, nan fòm "Gangan".
5) Relijyon tradisyonèl la te mennen Kimpa Vita vin yon pwofèt, se pa katolik. Depi li te timoun piti, Kimpa Vita ki pita te vin yon inisye Kimpasi, te gen vizyon ke li t ap jwe ak 2 timoun blan. Timoun sa yo pa t Ewopeyen (mundele), men pito, yo te Lespri zansèt yo, ke yo rele Simbi (mo yo kenbe nan relijyon zantray ayisyen an) oswa Nkita. (37) Nkita Kongolè sa yo, yo vin bay Lwa Kita nan rityèl ayisyen an, epi nou pa ta dwe konfonn yo ak Nasyon sakre a oswa Nanchon Kita ki soti nan peyi yo rele Mali jounen jodiya.
(Vèvè 3 Kita Maza, nan relijyon ayisyen an)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.441.

6) Lefètke Kimpa Vita ansanm ak Romèn te posede, oswa abite, pa Lespri, sa se yon reyalite tradisyonalis "Afriken", menmsi Lespri ki posede yo te Sen katolik. Sa pa sèlman yon reyalite Kongo. Ni li pa yon prèv de enfliyans Kimpa Vita sou Romèn. Lespri "Nkita" a, ki te idantifye tèt li kòm Sen Antwàn de Padou a, te pwopoze pou l te abite nan tèt Béatrice Kimpa Vita, apre ke li te eseye abite, san siksè, nan tèt lòt moun :

"Elle répondit que Dieu avait envoyé S. Antoine... d'abord, il avait été envoyé dans la tête d'une femme, à Mugeto... il en partit et alla dans la tête d'un vieux qui était à Sohio... Finalement, il vint dans sa tête pour prêcher au Chibango." (38)
Tradiksyon :
"Li [Kimpa Vita] te reponn ke Bondye te voye Sen Antwàn... an premye, li te voye l nan tèt yon fanm, nan Mugeto... li te kite li epi li t al antre nan tèt yon granmoun gason ki te rete Sohio... Finalman, li te antre nan tèt li [Kimpa Vita] pou l preche nan Chibango."
Ayisyen toujou kontinye rele posesyon (ki toujou tanporè, kidonk ki pa dire lontan) "Lwa a nan tèt li", sètadi, Lespri a nan tèt yon moun. E pwiske anplis de Lwa oswa Jany, Ayisyen yo nonmen Divinite yo Sen, sa fè ke li nòmal lakay yo ke yon gason posede pa Sent Filomèn, Sent Àn, elatriye. Menm jan tou, chak grenn jou, fanm tradisyonalis yo posede pa Sen Jak Majè, Sen Jan Batis, elatriye.
7) "Kwa tèt anba a" lakay Romèn, se yon pratik reyaksyonè Oksidantal. Sa pa yon abitid nan rityèl ayisyen an. E menm jan tou nan peyi Kongo, paske refòmis senkretik kretyen an, ki se Kimpa Vita, te konn boule kwa li yo, menm jan ke li te konn boule objè konsakre relijyon tradisyonèl la. (39)

8) Prèt katolik ki te fè entèrogasyon Béatrice Kimpa Vita a pa t konsidere li kretyen. Li te trete Kimpa Vita de "Nganga de Marinda" oswa "bòkò Marinda", de yon "Negrès ki vin simen dezakò nan jenn kretyènte sila". (Trad.) (40) E prèt kapisen Bernardo da Gallo a te kondane Kimpa Vita pou yo te boule l touvivan. Kimpa Vita te fè pati sosyete sekrè yo rele Bakhimba oswa Kimpasi a. E nan sosyète sekè sila, lefètke Kimpa Vita te yon marasa te fè yo te venere l.
Men mo marinda a refere a mizik marenmba a, ki se yon enstriman popilè nan Kongo/Angola. Ak enstriman marenmba sa, yo te abitye anime reyinyon relijye ansanm ak reyinyon ki pa relijye. Ak mepri, yo te rele mizik Marenmba "tam-tams endiablés" (kout tanbou andjable). (41)


(Retinyon ak mizik marimba nan peyi Angola)
Sous : https://www.pinterest.ca/pin/442267625878020303/

Nan "Lafrik", gen yon marenmba zilofòn (ki jwe ak baton) ke moun Tanzani yo rele Marimba ya Vibao. Marenmba zilofòn sila, kaptif (esklav) yo ki soti "Lafrik" Santral ak Lès te mennen li nan kontinan Lamerik la. Kalite marenmba sa te vin popilè anpil nan Karayib kote yo pale Angle yo, ak nan Lamerik latin (kidonk kote yo pale Panyòl yo).


(Tenb peyi Tanzani ki montre marimba nan jan zilofòn)
Sous : DeAgostini/Getty Images ; URL : https://www.gettyimages.ca/detail/news-photo/series-of-postage-stamps-honouring-traditional-musical-news-photo/521170875

Epi, gen marenmba ak dwèt la (ki jwe ak dwèt). Li soti nan enstriman mizik tankou Kissange (Kisang) ki soti Angola, mbira, elatriye. Moun Tanzani yo bay non Marimba ya Mkono. Kaptif (esklav) nan "Lafrik" Santral ak Lès yo te mennen l tou nan kontinan Lamerik. Li vin popilè nan Karayib la, epi lòt kote ke yo jwenn li sou non marimba (malimba, marimbula, manouba, elatriye).


(Tenb peyi Tanzani ki montre marimba ki jwe ak dwèt)
Sous : DeAgostini/Getty Images ; URL : https://www.gettyimages.ca/detail/news-photo/series-of-postage-stamps-honouring-traditional-musical-news-photo/521170875

Nan non marenmba, manouba, marenmboula, elatriye, marenmba ki jwe ak dwèt la te blayi anpil nan mizik ki rele twoubadou a an Ayiti. Sepandan, jouk yo ta pwouve ke se pa vre, tout bagay vle fè kwè ke enstriman mizik sila te yon enpòtasyon Afro-Kiben yo.


(Marenmba, marenmboula oswa manouba an Ayiti)
Sous : Boulpik. Konpa Lakay, 2014 ; https://www.deezer.com/en/album/7755026

Ann tou ajoute, ke marenmba a oswa manouba a, ki soti Angola, li se baz twoubadou ayisyen an. Sepandan, 2 ti bagèt yo frape ansanm bay mizik peyizan sila akonpayman. E ritm konpayman ti bagèt yo fè a, li se yon eritaj Yoruba (Nago) ki soti nan Benen (ansyen Dawomen). Prèv de sa chita nan lefèkte relijyon Kandonmble brezilyen an konsève menm ritm ki fèt ak 2 ti bagèt yo. Nou ka jwenn li : 1) nan ritm tabou "Opanije" Nanchon Nagô-Ketu a (kidonk pèp Yoruba/Nago ki soti peyi Nijerya, ak Ketou, nan Sidès Benen/Dawomen) ; 2) nan ritm tanbou "Avamunha" a, ki Nanchon Jeje a (kidonk pèp Fon ak Ewe, nan Benen/Dawomen). (42)
 
9) Jerry Gilles, yon lòt revizyonis kretyen, te ke deklare Toni Malau se yon enfliyans kretyen Kongolè sou relijyon zantray ayisyen an :
"Toni was extremely popular in the Kongo and the Toni Malo political movement was an important political force. The strength of her movement continued to have repercussions in the Americas. (...) Today in Haiti, we continue to sing Toni rele Kongo in honor of Ganga Vita, Toni, the grand-daughter of King Antoine. We do so because Toni defended the integrity of the Kongo." (43)
Tradiksyon :
"Toni te trè popilè nan peyi Kongo, epi mouvman politik Toni Malo a te yon fòs politik enpòtan. Fòs mouvman li a te kontinye gen enpak nan Lamerik yo. (...) Jodiya an Ayiti, nou kontinye chante Toni rele Kongo nan lonè Ganga Vita, pitit pitit fi Wa Antwàn. Nou fè sa paske Toni te defann entegrite Kongo."
Swadizan yon enfliyans ki ta va soti nan Antonyen Kimpa Vita yo, Toni Malau se yon defòmasyon nan peyi Kongo de Santo Antonio de Padua (Sen Antwàn de Padou). Epitou, li se non ke yo te bay estati Sen an ki te sèvi pou pwotesyon majik.


(Estati/dyòk (oswa pwotesyon majik) Sen Antwàn de Padou alyas Toni Malau, nan peyi Kongo)
Sous : https://collections.artsmia.org/art/113136/toni-malau-kongo

a) Premyèman, estati yo bay Toni Malau yo ale kont mesaj Antonyen yo. Estati yo te mache ak Jezi, lakwa, epi yon Ewopeyen. Sa se 3 zafè etranje ke Kimpa Vita te entèdi. Men, anpil endividi ka diskite ke nan plas yon Ewopeyen, Kimpa te abite pa Lespri granpapa l, ki te Wa, e ke yo te rele Antonio (Antonyo). Men, menm si sa, sa ta toujou gen rapò ak adore Zansèt, e se pa yon abitid krisyanis.
an) Jerry Gilles te prezante priyè tradisyonèl  ki rele priyè Djò a : "Toni rele Kongo, eya Santa Maria/Santa Gracia", kòmsi yo te lonmen non Kimpa Vita ladan l ; paske, sipozeman yo te bay Kimpa Vita non Toni Malau tou. Konnyè a Toni se yon non nòmal an Ayiti tankou lòt kote. Si li se sètènman te site yon fwa nan priyè Djò a, detanzantan, gen chante sakre yo, nou abitye tande lòt non tankou Migèl, Benito, charitab, elatriye. Nou pa ka tabli yon koneksyon Kongo nan yon ti kras echantiyon owaza konsa.
b) Relijyon tradisyonèl ayisyen an, nati li wayalis. Sa fè ke, si ou dwe asosye "Toni" ak pèsonaj ki soti nan Kongo, Wa Antonyo 1ye (Nvita a Nkanga, ki te bon non l) ta pi apwopriye. Li te reye soti nan 1661 rive 1665. Epi li te dènye Wa otonòm peyi Kongo. Nan batay li nan Mbwila kont Pòtigè yo, li te mouri dekapite. E sa te sele sò Kongo. Vèv li a, Doña Ilaria ,ke yo rele "Rèn Granmoun" an, e ke enfliyans politik li pa t janm fini jouk lanmò li nan lane 1700 yo, li te siman Larenn Kongo ke yo toujou venere an Ayiti.
 

ch) Anplis, pa gen anyen ki endike ke "Ntoni" nan lapriyè Kreyòl "Toni rele Kongo" a, te nesesèman refere a non kretyen "Antonio" a. Paske, nan lang Kikongo, "Ntoni" vle di "Saj" nan fòm maskilen an (kidonk ki pale de gason), epi li vle di "kavo" nan fòm feminen an (kidonk ki pale de fi). (44) Konsa, "Toni rele Kongo" ka vle di tou "Saj la rele (pitit) Kongo yo" oswa "Kavo a (kidonk Zansèt yo) rele (pitit) Kongo yo". 
d) Kanta pou "Malau" nan "Toni Malau", nan fè kòken, Jerry Gilles te defòme l an "Toni Malo". Men "Malau" pa mache ak mo "malo" ni ak "simalo" ke yo jwenn nan rityèl ayisyen an, jan revizyonis kretyen Jerry Gilles la te fè konnen. Nan peyi Kongo, "Malau" pwononse "Malawou". Li pa pwononse "Malo". Epi yo ekri l "Malawu" tou :
"Pourquoi Saint Antoine?
C'était le Saint le plus populaire du pays. Chaque maison possédait "son fétiche de Ntoni Malawu" (Antoine de la chance) tel que celui-ci...
(...)
Disons entre parenthèses qu'à cette époque Saint Antoine est appelé dans tout le pays "Ntoni Malawu" : le Saint de la Prospérité, la signification en ce moments des ruines, n'est pas à chercher." (45)
Tradiksyon :
"Poukisa Sen Antwàn?
Se te Sen ki pi popilè nan peyi a. Chak kay te posede "fetich Ntoni Malawu" li (Antwàn ki pote chans) tankou sila...
(...)
Ann di nan parantèz ke nan moman sila, nan tout peyi a yo te rele Sen Antwàn "Ntoni Malawu" : Sen Pwosperite a, nou pa menm bezwe chèche siyifikasyon l nan moman kraze brize sila."
Anplis, mo malawu (malau) a, ki vle di chans, - epi ki te gaye "nan tout peyi a", nan kontrè kil tou piti Kimpa Vita a - pa t kòmanse ak Sen Antwàn, ni ak Kimpa Vita. Li soit depi tan Manman Danti oswa Zansèt pèp Kongo a, Nkênge' a Lawu, ke yo rekonèt kòm "La Belle aux chances" (Bèl fanm chans la). (46) Se sa k fè, Nsundi Malawu (Nsundi Malau) refere a estati/dyòk (oswa pwoteksyon majik) Lavyèj Mari yo. (47)


(Nsundi Malawu, ki se Bijou pandye/dyòk Lavyèj Mari nan peyi Kongo)
Sous : "Pendant with the Virgin, Kongo culture - 18th century" ;  https://en.wikipedia.org/wiki/Kimpa_Vita#/media/File:Kongo_Virgin_pendant_18c_Ethnic_Art_and_Culture_Ltd.jpg

Epi Nkisi Lawu (Nkisi Lau) se dyòk ki pote chans pou chasè. (48)
e) Jerry Gilles te menm sètifye ke prezidan ayisyen Antoine Simon (1908-1911) te rele Simalo (Si + Malo), ki sipozeman yon konbinezon de "Si", ki ta soti nan "Simon" + Malo, ki limenm ta soti nan mouvman Antonyen an  :
"So strong was Toni Malo’s influence in Haiti that the name Antoine became a very common name in the country. When Antoine Simon became president of Haiti, he enjoyed widespread popularity and was associated with the name “Simalo”, a fusion of Simon with Malo." (49)
Tradiksyon :
"Enfliyans Toni Malo an Ayiti te tèlman fò ke non Antoine an te vin yon non trè popilè nan peyi a. Lè Antoine Simon te vin prezidan Ayiti, li te jwi de anpil popilarite, e li te asosye ak non  "Simalo" a, ki se yon melanj de Simon ak Malo."
Men, depi tantetan, se te etabli ke Simalo se te pito non yon kabrit Antoine Simon te genyen. E depi an 1896, kidonk 12 lane anvan prezidans li a, jounal ayisyen ak franse te kalonnen Antoine Simon paske li te antere Simalo, kabrit li a - nan yon sèvis ke yo te deklare te majik ansanm ak relijye :


"... et, même sous M. Tirésias Simon-Sam, le Président actuel, qui est un neveu par alliance du dictateur Lysius-Félicité Salomon, on a vu aux Cayes, ville du Sud, un bouc-fétiche nommé Simalo enterré en grande pompe par un gros personnage de l'endroit, un certain général Antoine Simon, qui trouva le moyen de le faire passer, par une substitution audacieuse, pour un sien parent, le nommé Boute-Philippe, récemment exhumé !" (50)
Tradiksyon :
"... e menm sou Mesye Tirésias Simon-Sam, Prezidan aktyèl la, ki se yon neve pa alyans diktatè Lysius-Félicité Salomon an, nou te wè nan Okay, vil nan Sid, yon bouk fetich yo te rele Simalo ki antere anpenpan pa yon gwo pèsonaj nan zonn an, yon sèten jeneral Antoine Simon, ki te jwenn yon fason pou l te fè l pase, pa yon sibstitisyon fonse, pou yon fanmi li, ki te rele Boute-Philippe, ke yo te detere dènyèman !"
Men, se pa t vre. Paske Simalo te sèlman la kòm yon souvni lagè, dapre istoryen Antoine Pierre-Paul, yon natif natal Okay, epi yon kontanporen (kidonk li t ap viv nan menm tan ak) Antoine Simon :


"Yon kwizinye twoup la pran bèt la epi pati pou touye li : "Pa touye ti kabrit la, Jeneral SIMON te rele, jodiya tout moun manje vant deboutonnen sa pa si mal pou n touye ti kabrit la." Menm lè a, Jeneral Antoine te fè yon sòlda soti nan ran an epi li te konfye l bèt la pandan l di li : "men ti kabrit la mwen konfye w, se pou w remèt mwen l nan plat men m lò nou rive Jeremi".
Sòlda a, gadò kabrit la, pafwa li anvan, lòt fwa li swiv twoup la. Pandan mach la, sòlda nou yo te enprovize yon chante sou tèm "jodiya sa pa si mal" ki soti nan pwotestasyon Chèf Divizyon an kont lanmò kabrit la. Nan chante ak pa abrevyasyon [kidonk rann mo pi kout], "jodiya sa pa si mal" te tounen "si mal o" Se nan sa non "Simalo" a ke yo te bay jenn ti kabrit la soti." (Trad.) (51)
Konsa, tèks voye monte etranje yo (William Seabrook, The Magic Island, 1929 ; Zora Neale Hurston, Tell My Horse, 1938 ; Alfred Métraux, Le Vaudou haïtien, 1958) demanti. Konsa tou abitid Ayisyen yo ki se lage pouvwa majik sou do jeneral yo demanti. Nan reyalite, Simalo, kabrit Antoine Simalo an, pa t mistik ; byenke genyen yon Divinite ki rele Simalo an Ayiti (ki soti nan popilarite lejann an) :
""Simalo" te grandi nan pak bèt Jeneral la, nan lonbraj chwal li yo, nan tout kalite zòn li yo. E kontrèman ak bèt malefik yo oswa ki pral fè rout seremoni vodou yo, Simalo pa janm te mare. Li te grandi ak tout libète nan pak bèt mèt li. Moun Okay nan jenerasyon mwen yo toujou sonje bèl ti bouk blan an ki t ap trote nan nenpòt ki lè nan jounen sou Rue de la Délégation an. Bouk sila ke nou te abitye avè l e ke chak maten nou te rankontre, lè n ap prale lekòl nan Enstitisyon Normil Jn-Jacques la, li pa t yon maskòt, men pito li te yon souvni premye eksplwa Antoine SIMON kòm Chèf Lame." (Trad.) (52)
Epi tou, Antoine Simon te yon katolik relijye, dapre Antoine Pierre-Paul ak Monseyè Morice, ki se konseye li. Menm jan pou Celestine, pitit fi Antoine Simon ki pa t yon Manbo jan istoryen pèpè yo abitye di. E krisyanis Antoine Simon an pa t soti nan mouvman Antonyen Kimpa Vita a. Fò n di tou ke popilasyon an pa t konn bay Antoine Simon non Simalo. Yo te konn rele l "Jeneral Antoine" :
"Never again did one hear people speak in Les Cayes about a  cult to "Simalo". On the contrary, the whole population - catholics and protestants - honored in General Antoine (this is what the Delegate was familiarly called) his high morality and his deep piety." (53)
Tradiksyon :
"Yo pa janm tande moun pale ankò, Okay, de sèvis pou "Simalo" a. Okontrè, tout popilasyon an - katolik ak pwotestan - te onore nan Jeneral Antoine (se konsa yo te abitye rele Delege a nan zanmitay) gwo kalite moralite li ansanm ak fidelite djanm li nan legliz."
Nou ka wè ke "iparès entelektyèl" ansanm ak "plan kache ki soti nan yon asosyasyon lide mechan", 2 bagay ke otè Antoine Pierre-Paul te deplore nan lane 1963, yo lwen pou yo disparèt lakay Ayisyen yo. Nou ka menm di ke 2 zafè sa yo jere linivè yo.
10) konvèti moun nan katolik pa t pran nan peyi Kongo. Depi 1491, Wa Nzinga a Nkuwa te konvèti nan krisyanis. Epi malgre sa, 215 lane pita, an 1706, pè Bernardo da Gallo, yon misyonè ki te sou teren an, te ekri Kongo se yon "jèn krisyanis". Menm jan tou, an 1731, kolon Pierre-François-Xavier de Charlevoix te remake kijan kontni kretyen Kongo nan Sendomeng yo te piti anpil :
"Les Congos furent convertis au Christianisme par les Portugais, il y a 200 ans ; leurs Rois ont toujours été Chrétiens depuis ce temps là, et plusieurs de ces Nègres sont baptisés : mais à peine trouve-t-on dans quelques-uns une légère teinture de nos Mystères." (54)
Tradiksyon :
"Kongo yo ke Pòtigè yo te konvèti, sa gen plis pase 200 lane ; Wa yo te toujou Kretyen depi tan sa, epi plizyè nan Nèg sa yo te batize : men apenn w ap jwenn yon ti zing nan zafè lakretyènte nan kèk nan yo."
Men, revizyonis yo ki reklame enpak ki ta sipoze kretyen nan Revolisyon ayisyen an, yo baze agiman yo sou anpil kantite Kongo ki te genyen nan koloni Sendomeng la. E malgre ke yo jwe ak mo jan yo pi pito, depi plizyè deseni, tèz yo a rete yon rèv yo envante.
** Otè ayisyen Milo Rigaud te anonse ke Romèn Lapwofètès te pote yon kòk majik nan konba, sou selèt chwal li :

"Un des généraux haïtiens qui fit le plus parler de lui à cause de ses étranges habillements qui prouvaient qu'il ne cessait d'être "monté" par les mystères, allait au combat en se moquant des balles, des baïonnettes et des boulets - un coq rangé (préparé magiquement comme talisman) à l'arçon de sa selle." (55)
Tradiksyon :
"Yonn nan jeneral ayisyen yo ki te plis fè pale de li akòz de rad etranj li yo ki te pwouve ke mistè yo te "monte" l touttan, lè l al lagè pandan l ap griyen dan sou bal, bayonèt ak boulèt [kannon] - yon kòk ranje (ki prepare ak majik tankou yon dyòk) nan ason sèlèt li."
Deklarasyon Milo Rigaud sila, ke yo repete toupatou, pa gen done istorik ki konfime li. Sepandan, se nan demach serye ke Milo Rigaud te ranmase istwa sila nan bouch tradisyonalis yo. Sa fòse nou pase plis tan nan analize sijè a.
E nou detekte kèk fay nan istwa li a :
1) Fraz Kreyòl "coq rangé" (kòk ranje) ke Milo Rigaud (ak lòt chèchè) te pwopoze a, li pa apwopriye. Paske, objè, bèt oswa manje ke yo rele "ranje" nan Kreyòl ayisyen, yo sèvi pou deranje moun ki gen kontak ak yo. Nan ka kòk  Romèn Lapwofètès la, li te la pou asire pwoteksyon mèt li. Se poutèt sa, li pi apwopriye pou yo ta di kòk "monte" ak majik oswa espesyalman "gad".

2) Milo Rigaud fè konnen ke Romèn Lapwofètès te mete kòk majik li a sou chwal li nan konba. Men Terry Rey di ke pa gen okenn dosye sou batay Romèn, ni ke li te sou chwal. (56) 
Sepandan, Terry Rey limenm te prezante yon dokiman ki pale de yon chwal ke Romèn te vann kolon Frontel la. Sa vin rann li rezonab ke Romèn kòm pwopriyetè chwal, te goumen sou chwal li, jan klas Afranchi li a te abitye goumen.
Nan sans analiz sila, san nou pa afime sa kategorikman, nou kwè ke gen anpil chans ke Romèn Lapwofètès te mete yon kòk majik sou chwal li, pou pwoteksyon. Men diferans nan kòk majik Romèn Lapwofètès la ak pa Alawou a.

  • Alawou (apye) te pote kòk majik li a sou li, men Romèn Lapwofètès te mare pa li sou selèt li.
  • Kòk majik Alawou a te pwofetize ansanm ak pwoteje ; men pa Romèn Lapwofètès la te pwoteje sèlman. Pwofesi lakay Romèn, jan nou te mansyone l, li te soti nan mesaj diven ke li te jwenn nan tabènak li.
Konsa, li pa sanble ke kòk majik Alawou a te soti nan enfliyans Romèn Lapwofètès. Ni nou pa jwenn enkonsistans ki pa nòmal. Anplis, nou pa ka etabli ak sètitid nan ki Nanchon "Afriken" majik Romèn an te soti. Nou ka di ke tankou limenm, majik li a te Kreyòl, Kidonk, li te melanje epi senkretik.
*** Revizyonis islamik la, Matt Schaffer, te revandike ke vèvè Divinite ayisyen Mèt Granbwa a (Mèt Grand Bois), ki konn gen fèy bwa ladan l, sa ta soti nan yon mask tradisyonèl Mandeng. Epi, dapre li, mo Kreyòl Granbwa a pa ta soti nan tèm franse (Grand Bois). Li ta soti pito nan "Bua" ki, nan lang Mandeng, ta vle di "chwèt" (kidonk frize, koukou, ramye, elatriye). (57) Schaffer te eseye rapwoche Mèt Granbwa de pratik tradisyonalis Mandeng yo, sèlman pou li te tabli yon pon ki mennen jwenn Mandeng mizilman yo.
Revizyonis odasye sila ta benefisye nan aprann enfòmasyon mazèt sa yo ; ki se
1) Non "Granbwa" a pa Mandeng. Li pa refere a yon mask, ni yon chwèt, tou. Paske, nan istwa Ayiti, Montagnes des Grand Bois (Mòn Granbwa) sitiye nan pwovens Lwès la, 52 kilomèt de Pòtoprens. Mòn sa yo konstitye, depi 1888, yon komin nan Kwadèboukè. La, yo djanm nan konsève valè tradisyonèl yo, tankou dans lejandè Kalabiyen oswa Kabiyen an (Carabinier, nan lang Franse).


(Dans tradisyonèl Kalabiyen (Carabinier) nan Kòniyon, Granbwa)
Sous : HTN CT ; Vivens Joachim. "Kalabiyen nan Grand Bois, Haïti. Plezi gaye". URL : https://www.youtube.com/watch?v=ksUGYS7Yaes ; TL : 05:44, 04:48

Dans enperyal sila, ki vin ra jounen jodiya, li te envante an 1805 pou Janjak Desalin, pa Manuel (Manyèl), mèt dans Anperè a. (Wè 7- Anèks : Dans Kalabiyen (Karabinye) a) 
Achiv Sendomeng yo chaje referans de La Montagne des Grands-Bois (Mòn Granbwa) :
"Antoine, Tacoua étampé illisiblement, âgé de 35 ans, ayant des marques de son pays sur le visage, disant que son maître était un Nègre libre, Habitant à la Montagne des Grands-Bois, dont il ignore le nom, et qu'il a été tué par les Nègres marrons." (58)
Tradiksyon :
"Antoine, Tacoua [Takwa] tanpe jan yo pa li, li gen 35 an, li gen mak peyi li sou figi li, li di ke mèt li te yon Nèg lib, ki Rete nan Mòn Granbwa, ke li pa konn non l, e ke Nèg mawon te touye l."
Epi, pandan chire pit nan Lwès la ke Alawou te patisipe ladan l an, Mòn Granbwa te ebèje rebèl ke yo te dezame nan mwa mas 1792, e ke yo te egzekite lidè yo :
"Le désarmement des atteliers de la plaine ne produisit qu'une très petite quantité d'armes tant bonnes que mauvaises ; celui des habitations des Grands-Bois au nombre de 40 ne produisit que quarante et quelques fusils et douze Nègres seulement reconnus chefs de bande ou incendiaires y furent mis à mort par le détachement chargé de la visite de cette montagne." (59)
Tradiksyon :
"Dezameman nan atelye nan laplèn an te rann yon ti kantite zam sèlman, ki pa t si bon pase sa ; sa nan bitasyon Granbwa yo, ki se 40, te bay sèlman karant e kèk fizi epi douz Nèg ke yo te rekonèt kòm chèf bann yo oswa metè de dife, e detachman ki te vizite mòn sila te ba yo lanmò."
Nan kontèks sila, li pa etonan ke nan relijyon tradisyonèl ayisyen an, ke yon Divinite (Lwa oswa Jany) ki gadyen Forè (kidonk Rak bwa), ka gen non Mèt Granbwa (Mèt Grand Bois), e ke Divinite Forè sila ka desinen kouvri ak fèy. San konte ke pifò vèvè Granbwa prezante Forè oswa Rak bwa, nan anpil jan.  

(Vèvè Granbwa)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.246.

2) Non konplè Lwa oswa Jany la se Mèt Granbwa Ile. Sa refere a Ile Ife, ki se vil nan Nijerya kote mond la te kreye. Ile Ife jwenn adorasyon nan relijyon tradisyonèl ayisyen nan fòm Divinite sa yo : Granbwa Ile (oswa Zile), Manman Ile oswa Manbo Ile. Se menm jan tou pou vil nan Nijerya a ki se Badagry, ki jwenn adorasyon an Ayiti nan Ogun Badagri. E si gen dout rete, Lwa Granbwa Nago a ta dwe retire li. Non li raple dirèkteman Nanchon Yoruba (Nago) ke Granbwa soti ladan l. Paske Granbwa Mandeng pa egziste.
**** Mo Anago oswa Nago a, plizyè otè eksplike l nan prese, konsa konsa. Eksplikasyon ki pi popilè a soti an tèks Paul Mercier, ki nan lane 1950, te ekri ke Dawomen (Fon)  yo, nan meprize, te rele "Nago" vwazen Yoruba yo, ki te lènmi yo :

"Fon yo menm, yo te rele Nago, tout opozan tradisyonèl E. a : kit sila yo k ap viv Oke-Odan yo, kit sila yo k ap viv Abeokata yo oswa Ketou yo. Nou te jwenn yon etimoloji pou non sila : nan fongbe, li ta vle di fatra, tenten, mo meprizan ke yo di lènmi an. An reyalite, gen gwoupman Yoruba, nan sèk dawomeyen Porto Novo a, ak nan zòn toupre yo nan koloni a ak nan divizyon Ilare a, ki rele tèt yo Anago, e ki pa konn lòt non. Fon yo te ka pa t kreye mo a, gen anpil chans ke yo te eksplwate yon jwèt mo meprizan an menm tan ke yo te repann non yon tribi sou ansanm pèp la." (Trad.) (60) 
Yon ti tan apre, nan lane 1958, Alfred Métraux te pale de ipotèz Paul Mercier a tankou yon sètitid : 
"Nago : Non Fon yo bay Yoruba yo." (Trad.) (61)
Men eksplikasyon sila pa mache ak fyète mo sila blayi nan kè desandan Yoruba yo an Ayiti. Erezman, nou genyen vèsyon yon Yoruba nan peyi Nijerya de mo Nago oswa Anago a :
"Yoruba yo se Anago, Nago, Lucumi/Ulcumi, Aku elatriye. Yoruba yo pa t gen yon non yo tout te rekonèt nan kòmansman. Ki sa ki ini Yoruba yo se lang yo, orijin yo nan Ile Ife, ak kilti yo.
Yoruba yo gen non Anago oswa Nago nan Brezil, Repiblik Benen, Ayiti, Togo, Gana, Kòtdivwa, elatriye. Anvan, yo te itilize mo Lucumi ak Anago yo pou rele Yoruba yo, anvan misyonè kretyen yo te rann non Yoruba a popilè nan ekriti yo. Nan pati Nò Togo, yo bay Yoruba yo lòt non tou ki se Ana Ife oswa Ana.
Lè m t ap grandi nan Ebute Metta nan Lagos [Lagòs, Nijerya], mwen sonje ke lè grann mewn t ap pale ak nou epi nou pa t koute oswa paske nou t ap jwe epi nou sanble pa t ap peye atansyon a sa li t ap di, li konn rele byen fò sou nou "Se e o gbo Anago ti mo n ba yin so ni?" (Nou pa ka konprann Anago a ke m ap pale ak nou an). Sa vle di èske nou pa konprann Yoruba m ap pale a?
Anago se yon lòt non ke yo rele Yoruba yo. Li vle di yon moun ki gen bon konprann oswa entèlijan jan lòt Afriken yo wè Yoruba yo." (Trad.) (62)
Ekstrè sila pi pre vizyon Ayisyen an de mo Nago a. Pwiske Nago se klèman idantifikatè etnik ke Ayisyen yo pi fyè de li, li rezonab ke mo sa a te peze lou nan "Lafrik" kote l te soti a.
+ Nan ekstrè kout sila, nou jwenn referans sou wotè "jeyan" ak "fòs Èrkil" ke yo renmen kole sou anpil nan ewo Revolisyon ayisyen an. Yo fè sa pou Makandal, Boukman, Cécile Fatiman, Hyacinthe, elatriye. Sa se yon stereyotip rasis ke yo simaye, pou yo sijere nan manti ke otorite lidè revolisyonè ayisyen yo sou kanmarad yo te baze sou britalite yo, olye de sou kapasite entelektyèl yo. Sepandan, li sanble ke Alawou te gen yon bèl wotè toutbonvre.

"Lorsque le pays s'agitait en tous sens, que les esclaves faisaient trembler les maîtres, un homme parut, haut de six pieds et large de deux, et il se nommait, Halaou." (63)
Tradiksyon :
"Lè peyi a te ajite nan tout jan, epi esklav yo t ap fè mèt yo tranble, yon nonm te parèt, li sis pye nan wotè ak de nan lajè, e li te rele, Halaou."
Omwen, se sa Ignace Nau te retire nan memwa istorik ayisyen an.
++ Sa pa gen lontan ke, caplata (kaplata) oswa caprélata (kaprelata) te òlalwa an Ayiti. Li refere an jeneral a chèf pratikan tradisyonalis yo, ansanm ak adorasyon yo, ak majik yo. Nan yon sans ki pi presi, caplata oswa caprélata se sinonim (kidonk, li vle di menm bagay) ak moun yo rele "doktè fèy" yo an Ayiti ; kidonk, tradisyonalis ki fè remèd ak fèy yo. Mo Caprélata a soti nan "Capreolata", ke yo jwenn nan non pyebwa tankou Bignonia capreolata ak Fumaria capreolata
:



(Fumaria capreolata)
Sous : Jan Kops. Flora batava. Part 14. Te Leiden BIj De Breuk & Smits, 1873. ; URL : https://commons.wikimedia.org/wiki/File:Fumaria_capreolata_%E2%80%94_Flora_Batava_%E2%80%94_Volume_v14.jpg

Genyen tou fanmi pyebwa yo rele caprifoliées, caprifoliacées oswa caprifoliaceae, ki vle di "fèykabrit". Paske "capra" vle di "kabrit" epi "folia", vle di fèy nan lang Laten. Nan kilti ayisyen an, mo kaplata a vle di yon pratikan tradisyonalis ti kalib. Sa petèt soti nan lefètke yo bay moun ki fè remèd ak fèy yo oswa "dokte fèy" yo mwens grad konpare ak lidè total kapital yo ki se houngan (gason) ak manbo (fanm).
 


Kaplata, kaprelata oswa capoeira?
Nou ta gen tò panse ke mo Kreyòl kaplata oswa kaprelata a gen arevwa ak capoeira (kapwera), armasyal "Afro"-Brezilyen an, ki limenm tou te entèdi. (64) Mo Kreyòl kaplata oswa kaprelata a soti nan non pyebwa, pandan ke mo Pòtigè capoeira a refere a yon espas pou defans nan mitan konstriksyon militè (caponnière nan lang Franse). Anvan tout bagay, capoeira refere a yon chaponnière, sa ki vle di, yon kay pou angrese kòk chatre ke yo rele chapon nan lang Franse, epi capao nan lang Pòtigè.


(Armasyal capoeira, nan Brezil)
Sous : Johann Moritz Rugendas. "Capoeira or the Dance of War", 1835. URL : https://en.wikipedia.org/wiki/Capoeira#/media/File:Rugendasroda.jpg

Mo Kreyòl kaponnaj (kaponnay, kraponnaj oswa kraponnay) la, ki eksprime aksyon pou entimide yon moun san w pa bay kou, li mache nètalkole ak armasyal capoeira a. Paske, akoz ke yo chatre, kòk chatre yo oswa capoa yo pèdi agresivite yo. Konsa, kontrèman ak pou kòk nòmal yo, moun kap fè elvaj capoa yo kapab mete anpil nan yo ansanm san pa gen anpil risk pou gen gwo goumen. Se fenomèn sila ke capoeira a montre, jan konbatan/jwè yo voye kou san yonn pa frape lòt.


(Mouvman capoeira)
Sous : Desen Mestre Bimba. In : "Roda de capoeira e ofício dos mestres de capoeira" ; Dossiê Iphan ; 12, Brasília, 2014. p.99.

Sepandan, "capo, caponis, caponem" ki se rasin laten mo capoeira a, li montre ke armasyal capoeira a enplike plis pase sèlman pa frape lòt la, nan imite chapon, capoa oswa kòk chatre yo. Paske mo franse capon a dekri yon endividi ki, pou li rive atenn objektif li, sèvi ak fent, blòf, ansanm ak kajòlman ki kache atak li. (65) Aksyon sa yo, se anblèm capoeira a menm, pwiske l se yon armasyal ke kaptif (esklav) Brezilyen yo te konn kache nan jwèt, dans, mizik, chante ak mouvman akrobasi


Orijin capoeira a
Armasyal sila ke kaptif (esklav) "Afro"-Brezilyen yo te konn kache, èske yo te envante l apati de anyen nan peyi Brezil, oubyen, èske yo te pote l soti "Lafrik"? Neves e Sousa te demontre ke capoeira a soti nan ngolo, ki se yon lit tradisyonèl ki fèt nan imite kout pat zèb, nan peyi Angola. (66)



(Kout pat dèyè zèb la)
Sous : "Brave Baby Zebra Kicked A Pride Of Lion" ; URL : https://www.youtube.com/watch?v=sQ0uONFW88U ; capture 1:43


(Kout pye dèyè ki imite zèb la, nan Ngolo peyi Angola)
Sous : Desen Albano Neves e Sousa, 1965. In : Thomas J. Desch Obi. Fighting for Honor: The History of African Martial Art Traditions in the Atlantic World. Columbia, 2008. p.220.

Toutbonvre, Ngolo se fòm sengilye mo "zèb" la nan lang Kiluba. Nan fòm pliryèl la, "zèb" se Wa Ngolo (Wangolo), (67) ki fòme non peyi Angola a. Epitou, nou jwenn Wa Ngolo (Wangolo) nan non yon stil capoeira nan Brezil, ki se "capoeira angola". Si nou tire lojik la pi lwen, "capoeira angola" vle di "capoeira zèb yo".


(Mouvman capoeira ki sanble ak kout pat zèb la)
Sous : ‪Marcel Gautherot‬ ; IMS collection, M. Gautherot, 1954 ; URL : http://velhosmestres.com/en/waldemar-1954-1  

Sepandan, kèk endividi pale de yon mank de prèv solid ki fè yo gen dout sou orijin angolè capoeira. (68) Enben, me prèv solid yo. Premyèman, mouvman de baz capoeira a rele genga. E nan lang Kikongo (genga-gele) vle di "devye, ale nan sans oblik, ekate tèt ou". (69) An Ayiti, menm jan nan Zantiy ak Lalwizyàn, yo rele genga, ginga, jinga, jenga oswa zinga, zwazo ki gen plimay frize, takte oswa trase. Plimay sa yo fè referans a mak oblik zèb yo.



(Poul jinga)
Sous : https://lapluma97-2.skyrock.com/3140450560-poule-GINGA.html

Dezyèmman, mouvman pye pa dèyè, amsanm ak balanse oblik genga nan capoeira a sèvi pou evite epi konfonn advèsè a, tankou tach oblik zèb yo.


(Mouvman pye ale dèyè ak balanse ke yo rele genga nan capoeira)
Sous Desen Mestre Bimba. In : "Roda de capoeira e ofício dos mestres de capoeira" ; Dossiê Iphan ; 12, Brasília, 2014. p.72.

Nan Ayiti tradisyonalisis, kote peyi Angola (Wa Ngolo, Wa Ngòle, Wa Ngòla) toujou gen non Wangolo, Wangòl oswa Dangòl, genyen dans Petro a. E dans Petro a gen mouvman pye ki ale dèyè ansanm ak mouvman avanbra pou pare kou, ki sanble ak genga nan capoeira brezilyen an.


(Dans ayisyen yo rele Petro, ki baze sou mouvman pye dèyè ak balanse agresif)
Sous : Hervé Gilbert. "Danse Petro" ; URL : https://www.youtube.com/watch?v=oOtTvD2tD7c ; TL : 03:33, 03:30, 00:23

Anplis, an Kreyòl ayisyen, rit ki gen dans vyolan Petro a, yo rele l tou Don Petro, Danpetro, Donpèd oswa Donmpèt. Sepandan, donmpèt dekri tou yon chwal agresif ki rapid pou bay kout pat. Konsa, Petro dans sila makonnen ak kout pat chwal yo, jan genga nan capoeira brezilyen an makonnen ak kout pat zèb yo. Nou wè ke nan Sendomeng (Ayiti), natirèlman, yo te ranplase zèb la (ki se yon reyalite "Afriken") pa chwal la (ki se yon reyalite Zantiy yo).

Capoeira brezilyen an, Petro, dans ayisyen an, ak eritaj Jaga a
Apre gwo rechèch, otè Thomas J. Desch Obi te konkli ke armasyal Angolè ki rele ngolo (engolo) a te soti nan tradisyon Jaga yo. Dapre Thomas J. Desch Obi, Jaga yo, ki se mèsenè popilè, pitit pitit yo ap viv nan Sidwès Angola, e yo rele yo Imbangala. (70) E pwiske capoeira a soti nan lit ngolo (oswa engolo) a, sa vle di ke lè nou retounen pi lwen nan tan, nou ka di ke capoeira a soti nan pratik Jaga yo.
Men. jan nou te montre l nan yon atik anvan, rit ayisyen (ak dans) Petro oswa Danpetro a, li pote non Dom Pedro III, ki se Wa Kongo/Angola ke gouvènman l (nan lane 1669, 1678-1680) te konyenside ak lane 1679, ki se lè yo te kòmanse bwote kaptif (esklav) nan koloni franse Sendomeng la (ki vin Ayiti). E pwiske "Ne-Nkosi" (Nenkosi) vle di "Wa" nan lang Kikongo, (71) Divinite ayisyen N'kosi Danpetro a sètènman refere a Wa Danpetro oswa Dom Pedro III

Pami moun yo te bwote nan Sendomeng yo, te gen Jaga yo, ke yo te rele Niiac, Niaqua, Miaca (Myaca), Mayoca, Mayaga, Mayaque, Mouillac, Mouyaca, Monyaqua, Mouxaqua oswa Congo-Mouyaca. Jaga terifyan sa yo, te goumen pou Dom Pedro III, ke yo te adore. Epi, Jaga yo te sèvi ak ngolo a, ki se dans zèb la, kòm yon armasyal, epi kòm yon dans espirityèl. Eritaj wayalis Jaga sila, rapidman li te tounen rit lagè Petro a ansanm ak dans lagè ki gen menm non an. 
Anplis de sa, frè a Dom Pedro III a, Wa João II (Nzuzi a Ntamba), ki se siksesè li nan rejyon Mbula/Lemba (1683-1716), li te itilize Jaga tou. E an Ayiti, yo venere l kòm Lenmba Zawo, Zawo Danpetro, Zawou Penmba, elatriye. E Jaga tou jwenn omaj nan relijyon tradisyonèl ayisyen an, sou non Yagaza, ki parèt nan non Divinite (Lwa/Jany) Èzili Yagaza, Manbo Yagaza, Nègès Yagaza, Okou Yagaza ; nan ekspresyon sakre Miton Yagaza a ; ak nan plizyè chante sakre. Sepandan, pratik majik Jaga ki pi tchak yo, yo pa nan rit Petro a, epi yo kontrè ak relijyon tradisyonèl ayisyen ki entèdi yo.
Nan Brezil, kote eritaj Jaga te parèt pita, li te pran fòm capoeira a, ki se yon jwèt, yon dans, ansanm ak yon armasyal. 
+++ Wòch sedimantè yo oswa wòch loray ki konn sou lotèl tradisyonalis ayisyen yo, yo soti nan eritaj Mandeng Ayisyen yo. Malgre ke yo konn ranmase wòch sa yo toupatou nan zile a, wòch sa yo pa t soti nan yon fo rankont ant zansèt Ayisyen yo ak Tayino yo, ki se premye abitan zile a, ki te disparèt prèske 2 syèk anvan debakman zansèt Ayisyen yo. Nou pral fè yon rale sou sa nan atik pwochen nou an.


7 - Anèks : Dans Kalabiyen (Karabinye) a

Jasmine Narcisse sijere, san li pa bay prèv, ke dans Karabinye a, se te envansyon Euphémie Daguilh oswa Daguille (Efemi Dagi), ki te yon fanm deyò Anperè Desalin, ki te renmen depanse. (72) Sètènman Euphémie Daguilh te posede talan atistik ke yo pa ka nye. Li te konn patisipe nan bal Anperè a te konn òganize. Epi apre asasina Desalin an, li te rive donte, ak chante li, yon foul moun ki te vin touye l.  
Sepandan, Manuel te envante dans Kalabiyen/Kabiyen (Karabinye) a pandan Anpir la. Premye chante Kalabiyen oswa Kabiyen ki te janm konpoze, Manuel te konpoze l. E li te gen tit "L'empérer vini ouai coucou, dansé l'empérer" (Lanperè vini wè koukou, danse Lanperè). E Anperè Jak 1ye (Desalin), limenm menm, te danse dans komik sila devan lakou enperyal la. Sa te bay Jeneral Anri Kristòf kè plen. Li te trouve espektak sila avili otorite Leta. E apre lanmò Desalin, Jeneral Anri Kristòf te egzekite Manuel, pou l te anpeche zak "degradan" konsa kontinye. (73)Nan lane 1836, Beauvais Lespinasse te bay detay sou imitasyon chwèt la (koukou) atravè dans, jan Guy-Joseph Bonnet te mansyone sa separeman :
"Nou pral pase vit nan moman sila sou orijin ak enpèfeksyon carabinier [Kalabiyen] an kote dansè a konn kenbe do vèst li ak de men l epi pandan li leve pye l al dèyè jouk li touche dèyè l, oswa yon fason diferan, li louvri bra l, pou l eseye imite koukou nan son an ki di : — L'Empérer, vini ouair coucou dansé. [Lanperè, vin wè koukou danse.]" (Trad.) (74)
Sepandan, Beauvais Lespinasse te fè envansyon Kalabiyen an remonte, pa nan aksyon yon moun (Manuel), men nan syèj Sannto Domenggo (pati Lès zile a) pa Anperè Desalin :
"Anperè a, ki te fòse leve syèj Sannto Domenggo a, konsa pou l pa t bay sòlda l yo dekourajman, te fè bat [kout tanbou] retrè a, mizik enpwovize sila, ki te vin popilè anpil (Carabinier n'allé n'a vini encore) [Karabinye n ale na vini ankò], ki te jwenn resepsyon antouzyasm nan bal yo e ke yo te danse pou premye fwa apre kontredans yo." (Trad.) (75)
Nou pa ka prefere vèsyon Beauvais Lespinasse la pase vèsyon Guy-Joseph Bonnet a, ki te yon nonm plase wo anpil, yon siyatè Ak Endepandans Ayiti a, epi yon temwen bagay yo. Antanke entèmedyè pou Petyon, ke li te ekri kominikasyon ki pi memorab li yo, Bonnet te resevwa pèsonèlman pawòl mekontantman Jeneral Anri Krstòf konsènan Manuel, konsènan dans Kalabiyen an, ansanm ak konpòtman Desalin nan fè "koukou" ke Kristòf te konsidere kòm "degradan". Menmsi nou di sa, liv Edgar Le Selve la enfòme ke Manuel te yon ofisye epi èddekan Desalin. (76) Konsa, Manuel, militè a ak mèt dans Desalin an, ke Kristòf te jwenn eskiz sispèk li, pou l te arete l nan vil Machan, le 24-25 Desanm 1806, li te patisipe nan syèj Sannto Domenggo a. E se posib ke dans lokal yo te enspire l kreye pwòp dans li, si sitiyasyon an te pèmèt jan de entèraksyon sa yo ak abitan nan zonn an. Nan kontèks sila, annou gade syèj Sannto Domenggo a pi pre.

7.1- Dans Kalabiyen an ak syèj Sannto Domenggo a
Kanpay Lès 1805 la, oswa syèj Sannto Domenggo a, te dire yon mwa ak yon semèn (17 fevriye - 28 mas 1805). Operasyon militè sila, Anperè Janjak Desalin te menen l pèsonèlman, pou l te pini twoup franse yo ak Dominiken yo ki te sipòte yon dekrè jenosidè kont Ayiti.

Apèn 5 jou apre kreyasyon Ayiti, jeneral franse Jean-Louis Ferrand, ki te jwenn refij nan pati panyòl zile a ak twoup li yo, te ekri, le 6 janvye 1804, yon Lòd ki te otorize Dominiken, sivil kon militè, ki rete nan fwontyè a, pou yo antre nan teritwa ayisyen pou kidnape kòm esklav, timoun ayisyen ki gen 14 an oswa mwens. Objektif dekrè esklavajis jenosidè sila se te "pou elimine rebelyon moun nwa nan koloni Sendomeng la", ki te fèk rele Ayiti, pou "diminye popilasyon an ak anpeche yo gen, otank posib, mwayen pou yo rekrite". (Trad.) (77)
Thomas Madiou te revele ke Kalabiyen an te kreye pandan syèj Sannto Domenggo a, pi presizeman nan katye jeneral twoup ayisyen yo sou bitasyon Gaillard la (ke yo te rele Galà nan lang panyòl, men ke istoryen ayisyen yo ekri Gaillard oswa Galar). E Euphémie Daguilh te al rejwenn Desalin nan kote sila ki nan pati panyòl la :

"Se te nan katye jeneral nan Gaillard a ke Kalabiyen an te kreye : yon dans nasyonal ke dam ayisyen yo te rann tèlman grasyez, e ke ofisye nou yo te danse nan tan sa a ak fizi sou do yo. Mannmwazèl Euphémie Daguilh, yonn nan mètrès anperè a, te vin rejwenn lame a ansanm ak divizyon Geffrard a. Jèn, bèl, plen dousè, li te bay tout plezi sa yo jarèt, epi li te konpoze melodi yo ke mizisyen yo te jwe." (Trad.) (78)
Euphémie Daguilh te kontribye nan melodi Kalabiyen an, selon Madiou, ki sepandan pa t lage envansyon dans sila nan men l. Anplis, pa gen okenn istoryen kredib ki te fè sa tou. E se pou bon rezon. Men, annou kontinye obsèvasyon an kanmenm, nan konsilte kwonoloji syèj Sannto Domenggo a. (79)
Menmsi Guy-Joseph Bonnet pa t presize kote Manuel te envante Kalabiyen an, temwayaj li a rejwenn pa Beauvais Lespinasse la ak Thomas Madiou a. Paske tout moun ki konsène yo, Bonnet, Manuel, Desalin, Euphémie Daguilh, Petyon, ak Kristòf te trouve yo pandan menm tan an, sou bitasyon Galà a, ki sitiye kèk kilomèt de vil Sannto Domenggo.

- Nan 6 mas 1805, Desalin te tabli katye jeneral li sou bitasyon Galà a. Manuel, Èddekan Desalin an te prezan, menm jan tou pou Bonnet, ki te Chèf Detamajò Petyon.
- Nan 7 mas, Jeneral Anri Kristòf ki soti nan Nò, te parèt nan bitasyon Galà a.
- Nan 10 mas, jou ki te pi trankil nan kanpay la, nou estime ke Manuel ta ka envante Kalabiyen an pou amize Anperè a ak twoup li yo.
- Nan 12 mas, Euphémie Daguilh, ke yo rele Manmzèl Femi (Mamzelle Phémie), ki te soti nan Sid, te rive nan bitasyon Galà a, akonpaye pa Jeneral Geffrard.
- Nan 13 mas, Euphémie Daguilh ta dwe bezwen repo. Sou do cheval, li te fè vwayaj fatigan Okap - Pòtoprens - Sannto Domenggo, ke yo estime a 500 kilomèt. (80) Euphémie Daguilh, gran dam sila, te pwobableman premye chantez ki t al amize lame an gè nan yon peyi etranje. E li te petèt, apre Enperatris Marie Claire Heureuse, dezyèm enfimyè lagè nan istwa.
- Soti 14 mas, rive 28 mas, dat syèj la te leve, Euphémie Daguilh te riske lavi l chak jou, lè li t ale, anba bonbadman kanno, pou l al trete sòlda blese yo (81) sou yon bitasyon toupre, ki te baz Clervaux, e ki te sèvi kòm lopital. Nan menm kondidyon an, li te retounen nan katye jeneral la, kote li te chante repètwa chante li yo, ansanm ak "konpoze melodi yo ke mizisyen yo te jwe". Konpozisyon sa yo te sètènman ajoute nan lis mizik Kalabiyen an.
Kanta pou dans ki se Kalabiyen an, okòmansman, Desalin te l danse an solo. Mouvman wotasyon debaz nouvo danse sila te pi dinamik, pou n pa di pi brit, ke mouvman nou obsève nan Lagrenad yo. Se ta dwe, okòmansman, sòlda yo oswa Karabinye Desalin yo, ki te fè mouvman sa yo, de pa de.
Kalabiyen an pral vin yon dans ki danse an koup, lè Euphémie Daguilh te rive nan kan an. Li sètènman te danse ak Anperè a. E petèt, te gen lòt medam ki te akonpaye l, e ki te danse tou ak ofisye yo. Euphémie Daguilh, medam ki te petèt akonpaye l yo, ansanm ak lòt medam nan tan an, te vin rafine dans Kalabiyen an. Men malgre sa, jiskaprezan Kalabiyen an toujou genyen mouvman toudenkou ki sanble mouvman sòlda ta ka fè.

- Finalman, 4 mwa apre syèj Sannto Domenggo a, le 25 jiyè, kidonk pandan fèt Senjak ki asosye ak kouwòn li a, Desalin (Jak 1ye) te danse Kalabiyen nan yon fèt yo te fè pou rann li omaj. Yon dansez yo pa idantifye te danse ak Desalin. E Anperè a te lage kò atè nan jenou dansez sila. Gen kèk istoryen ki kwè ke dansez misteryez la te Coucou Jonc (Koukou Jon), yon lòt nan metrès Anperè a, ke yo konsidere maton nan danse. Epi chante "Anperè vini wè koukou" a, se te swadizan yon fason Euphémie Daguilh te jwenn pou l te griyen dan sou rival li Coucou Jonc. (82)
Gen lòt istoryen, ki gen Thomas Madiou ladan l, ki te sijere ke, olye de sa, chante Kalabiyen popilè a, te di "Anperè vini wè Couloute danse". Paske nan chante a, pèp la t ap pase nan betiz yon lòt metrès Desalin, yon fanm Jeremi ki te rele Couloute. (83) Men prèv montre ke 2 deklarasyon sa yo fo. Paske dapre Bonnet, se Manuel ki te konpoze chante sila ki te pale de zwazo a yo rele koukou. E Manuel te konpoze chante a, petèt anvan Euphémie Daguilh te rive nan katye jeneral twoup ayisyen yo.

7.1.1- Enfliyans dans dominiken yo sou Kalabiyen an
Kesyon an rete antye : èske dans dominiken yo te enfliyanse Manuel ak Kalabiyen an, pandan syèj Santo Domingo a? Li trè posib. Men li difisil pou yo ka pwouve sa, akòz de anpil entèraksyon ki te genyen apresa ant Ayiti ak Santo Domingo, patikilyèman nan kòmansman 19yèm syèk kretyen an. Dominiken yo posede dans tradisyonèl "El Carabine" (Èl Karabine) ke yo konsidere pa yo, menm jan Ayisyen reklame Kalabiyen pa yo a. Men nan dans Carabine Dominiken yo, li di difisil pou n jwenn mouvman dans ki sanble ak Kalabiyen ayisyen an.
Anplis de sa, dansè Kalabiyen nan Kòniyon yo (nan Granbwa), an Ayiti, yo devwale non 7 dans debaz ki te kontribye nan fè Kalabiyen an. Se 4 nan 7 non dans debaz sa yo ki te rive vin jwenn nou. (84) Dans sa yo se : 1) Memwat (Menuet, orijin franse), 2) Lele (Bèlè, dans Kreyòl/"Afriken" ki gaye anpil nan Karayib la), 3) Kontredans (orijin franse), ak 4) Lalaw (baz dans sa a "Afriken", epi semantikman, li pròch de Kolalawop, ki se yon dans ayisyen ki melanje sote ak vire won an sèk). (85)
Kanta pou 3 lòt dans debaz yo ki te kontribye nan Kalabiyen an, se posib ke yo pami lis dans tradisyonèl Ayisyen sa yo ke Claude Carré te klase kòm "dans pou divètisman ki fèt an koup" : Kontredans, Menyè (Menuet), Vals, Tibobin, Kadri, Bèlè, Ka, Mangoulin, Ti Krip. (86) Nan pil dan sa yo, se sèlman Mangoulin an ke Repiblik Dominikèn reklame. Yo rele Mangulina (Mangoulina). (Se yon non ki soti Mandolin, ki se yon enstriman mizik ak kòd, ki gen rasin li an Itali. Men ke Panyòl yo bay non Mandolina oswa Bandolín), Men Jean Fouchard te deklare orijin ayisyen dans Mangoulin an, ki, dapre li, te rive jwenn Dominiken yo an tan okipasyon ayisyen yo an ant 1822-1844. (87)



7.2- Konpozisyon Kalabiyen an

Kalabiyen an fèt ak koup (kidonk fi ak gason) k ap danse lib, san pa gen okenn, oswa sèlman gen yon tikras koregrafi gwoup. Malgre sa, tout moun dakò ke Kalabiyen an pran anpil mouvman nan kontredans franse a, ki te trè alamòd nan 18tyèm syèk kretyen an. Men, opinyon yo diferan sou lòt sous yo ki te enfliyanse Kalabiyen an. Pa egzanp, Beauvais Lespinasse panse ke Kalabiyen an "te pran melodi li yo nan pa dans Afriken an, Chika a epi sitou nan dans Kreyòl la, Koudjay la oswa Mazòn an." (Trad.) (88) Sepandan, nan mwa janvye 1837, yon abòne nan jounal Le Républicain an te reponn Lespinasse ke premyèman, non Karabinye (Kalaviyen) an, te parèt lè : "Anperè a pandan l t ap danse dans la, te rele, de tanzantan : a Karabinye !" (Trad.) Dezyèman, abòne a te kontinye, "Kalabiyen an se yon imitasyon de Tumba a, e ke Koudjay la, Mazòn an ansanm ak chante Bizango yo, se sèlman pitit Kalabiyen an, e ke Baboul la se sèlman Vodou alye nan Matinik." (Trad.) Kidonk, nan opinyon abòne a, "Koudjay la, Mazòn la, Baboul la, elatriye, yo te vini apre Kalabiyen an". (Trad.) (89) 
Sepandan, tradisyon Afro-Kiben an yo rele Tumba Francesa (Toumba Fransesa), li pwouve ke Mazòn an, Baboul la, ak Djouba (oswa Matinik) la te egziste depi lontan anvan endepandans Ayiti (Janvye 1804), anvan Anpi Desalin (2 sept. 1804 - 17 okt. 1806), ak anvan envansyon Kalabiyen an (mas 1805). Tumba Francesa la, se yon dans mayifik ke kaptif (esklav) Domengwa te pote nan Kiba. Kidonk, se te kaptif (esklav) ki soti nan koloni Sendomeng (Ayiti jounen jodiya), e ke mèt yo te sove chape Revolisyon Ayisyen an (1791-1803).
Tumba Francesa a genyen istorikman ak 4 dans yo rele Masón, Babú, Yubá, ak Grasimá. Masón kiben an, se Ayisyen dans Mazòn (Mazonn, Mazoun oswa Kongo Mazonn) an Ayiti, Babou Kiben an se Baboul Ayisyen an, epi Yubá Kiben an se Djouba (oswa Matinik) an Ayiti. Kanta pou dans Grasimá a, apade Madigra, li pa gen okenn ekivalans ke nou ka jwenn fasilman an Ayiti. Non dans Grasimá a vle di Gra nan lang panyòl. Sa sijere yon rajou Afro-Kiben nan Tumba Francesa a.
N ap remake ke Tumba Francesa Kiben an pataje anpil lòt referans ak Ayiti. tankou : Composé (Konpoze an Ayiti), Bulayé (Boulaye an Ayiti), Chachás (Tchatcha an Ayiti), Cinta (Trese riban an Ayiti), tanbou yo ki se Premier (Mamier), Bulá, Sègon (Bebe), ak Catá nan Kiba. Yo bay dans sa non Manman, Segon, Boula (Bebe) ak Kata an Ayiti. (90)
Ann sonje, anpasan, ke malgre kontni "Afriken" ki evidan nan Tumba Francesa a, mo Tumba a Panyòl. Yo sèlman itilize li nan ansyen koloni Panyòl, tankou : (Repiblik Dominikèn, Kiba, Pòtorico, Arouba, Kiraso, Bonèr). Nan lang Panyòl, Tumba vle di tonbo (kavo). Li refere a Tombeau, ki se yon mizik baròk franse (16zyèm -18tyèm syè kretyen), kote tanbouren Provansal (kidonk ki soti nan Provans, nan Lafrans) la (aansanm ak flit Galoubet a) okipe yon plas enpòtan.

(Tanbouren Provans, nan Lafrans)
Sous : http://www.collectifprovence.com/a-vendre-deux-tambourins

Nan Kiba, tanbou nan Tumba Francesa yo pran fòm yo nan tanbouren Provansal la.
(Tanbou Tumba Francesa, nan Sanntiago de Kiba)
Sous : https://relix.com/articles/detail/cuba_seeing_the_sounds_of_the_island/

Men, mannyè tanbou nan Tumba Francesa sa yo tache ak bwa a, yo pran l nan tanbou Dawomen (yo rele Rada nan rityèl tradisyonèl ayisyen an).
(Tanbou Boula nan rit Dawomen an oswa Rada an Ayiti)
Sous : Benoît Prieur. Wikimedia Commons. https://en.wikipedia.org/wiki/Boula_(music)#/media/File:Tambour_Boula_(Ha%C3%AFti).jpg

Boula, pi piti nan 3 tanbou Rada yo, li konfòm ak rit Dawomen an nan fonksyon l ak nan fòm li fèt la. Men, malgre sa, non l pa soti nan Dawomen (Benen). Tanbou Boula a, ki gaye nan Zantiy yo ak nan Lalwizyàn, li pote non rejyon nan Kongo a yo rele Mbula Lemba. Lòt non l, se Bamboula, ki deziyen nan lang Kikongo, Ba-Mbula, kidonk "Moun Mbula yo", yo menm ki fòme Nanchon Sakre Boula a nan rityèl ayisyen an. Yo menm ki sijè Wa Dom Pedro 3, Papa rit Petro a an Ayiti.
(Tanbou nan rit Petro Ayisyen an)
Sous : http://www.lameca.org/publications-numeriques/dossiers-et-articles/vodou-music-in-haiti/4-the-kongo-petwo-room/

Sepandan, tanbou nan rit Petro yo pran plis ankò (nan fòm yo, nan tache ak kòd la) nan tanbouren Provansal la pase tanbou an rit Rada a. Epitou, rit Petro a gen plis zafè katolik ki melanje ladan l pase lòt rit yo.

7.2.1- Kalabiyen ak seremoni Big Drum nan Lagrenad
Finalman, se nan Zile Lagrenad ke nou te jwenn yon pi gwo resanblans Kalabiyen an. Se te nan yon selebrasyon Big Drum, kote dansè yo detanzantan te fè mouvman wotasyonèl, nan 2 direksyon, ki se baz Kalabiyen ayisyen an menm :
(Wotasyon pandan yon selebrasyon Big Drum nan Lagrenad)
Sous : Cultural Equity. https://youtu.be/9B0-BD9Qm34 ; TL : 01:49:22 ; https://youtu.be/QCTPMTy5M5A ; TL : 02:59:25

Sepandan, kote wotasyon sa yo te fèt, se pa t nan yon dans fòlklorik ki soti nan Lewòp, men se te pandan yon sèvis tradisyonèl nan lonè Divinite "Afriken" yo, Zansèt yo ak pou yon moun ki te fèk mouri. Nan kalite evènman sa yo, yo jwe tanbou ke yo rele Boula oswa Big Drum (ki menm gwosè ak sa nan Kiba yo). Moun nan Karyakou (Grenadin, Lagrenad) rele dans sa yo tou "Tombstone Feasts", sa ki vle di "Fèt Pyè Kavo". Non sa raple nou Tumba (Kavo), Kontredans, Kalabiyen, Bele, Gwo Ka, ak lòt dans kolonyal ki te konn amize kaptif (esklav) yo nan lannwit regilye oswa nan vèy lantèman.
Nou dwe pran nòt ke pandan dans mwatye relijye sa yo nan Lagrenad, san konte tanbou yo rele Boula kòm an Ayiti, ak wotasyon ki sanble ak Kalabiyen an, mo nou abitye tande tankou Legba, Ibo, Arada, Kongo ak Awousa te parèt nan chante yo ki pasyèlman nan lang Kreyòl. Sa pa, sepandan, yon enfliyans ayisyen, pwiske Lagrenad te yon koloni franse, anvan Angle te fè dappiyan sou li. Menm jan tou, mouvman ak wotasyon yo ki nan Kalabiyen ayisyen an pa soti nan enfliyans Lagrenad. Mouvman wotasyonèl sa yo (kidonk vire yo) soti pito nan yon sous "Afriken" komen, swa se te Ibo, Arada, Kongo, Awousa, oswa yon lòt.
Se menm bagay la pou Chika a, ki te danse nan Sendomeng e pou kiyès, dapre Moreau de St. Méry, pi bon dansè yo te nan koloni Olandè yo rele Kiraso a. Men, toujou dapre St. Méry, dans pwovokan yo rele Chika a, kaptif (esklav) yo te pote l nan chak koloni pa yo, dirèkteman soti nan "Lafrik". (91
)

7.3- Orijin "afriken" Kalabiyen an
Si nou oblije jwenn yon peyi nan "Lafrik" ki ka orijin mouvman wotasyon an ki komen nan dans tradisyonèl Lagrenad la ak Kalabiyen Ayiti a, n ap chwazi peyi Kongo. Premyèman, yon anons mawonaj nan lane 1781 te mansyone Manuel, yon kaptif (esklav) Kongo ki konn jwe vyolon ak mandolin :
"Un Nègre nommé Manuel, nation Congo, âgé d'environ 28 ans, taille d'environ 5 pieds, visage noir, est parti maron le 12 de ce mois ; ledit Nègre est orfèvre de son métier, et joue du violon et de la mandoline. Ceux qui le reconnoîtront, sont priés de le faire arrêter et d'en donner avis au Sieur Bremond, Marchand Orfèvre au Cap, rue du Bac : il y aura récompense." (92)
Tradiksyon :
"Yon Nèg yo nonmen Manuel, nanchon Kongo, apeprè 28 lane, apeprè 5 pye wotè, figi l nwa, li pati mawon le 12 nan mwa sa a ; Nèg la se yon òfèv de metye, epi li jwe vyolon ak mandolin. Sa ki rekonèt li, yo mande pou yo fè arete l epi voye nouvèl bay Msye Bremond, Òfèv Komesan nan Okap, rue du Bac : ap gen yon rekonpans."
Dezyèmman, nan yon anons anvan nan lane 1776, yo te sispèk ke nan mawon li, Manuel, kaptif (esklav) mizisyen an, te pran refij nan Senmak, nan rejyon Latibonit la :


"Un Nègre nommé Manuel, sans étampe, orfèvre de sa profession, taille de 5 pieds 2 à 3 pouces, fort noir, le nez épâté, ayant des talens particuliers, jouant très-bien de la mandoline et du violon, et ayant appartenu ci-devant à M. Maingueneau, Marchand orfèvre au Cap, est parti maron le 9 de ce mois : on soupçonne qu'il est à l'Artibonite ou à Saint-Marc. Ceux qui le reconnoîtront, sont priés de le faire arrêter et d'en donner avis à M. Damour, Orfèvre au Cap, à qui il appartient." (93)
Tradiksyon :
"Yon Nèg yo nonmen Manuel, li san etanp, òfèv ki metye l, wotè l nan 5 pye 2 a 3 pous, nwa fonse, nen plat, li gen talan patikilye, li jwe mandolin ak vyolon byen anpil, e li te pwopriyete Msye Maingueneau, yon Òfèv Komesan nan Okap, li te mawon le 9 mwa sila : yo sispèk ke li nan Latibonit oswa Senmak. Sa ki va rekonèt li, yo mande yo fè arete l, epi voye nouvèl bay Mesye Damour, Òfèv nan Okap, ki se pwopriyetè li."
Men Manuel, mèt dans Desalin an, te rete nan vil Machan, toupre Senmak, nan Latibonit, kote Anri Kristòf te arete l nan mwa desanm 1806. Konsa, san nou pa si a sanpousan, nou panse ke Manuel, mèt dans Desalin an, anvan sa, li te yon kaptif (esklav) Kongo. Mizisyen, nan ventèn, li te frekante vil Senmak ak laviwònn an, tankou Kawo, kote Desalin t ap travay di nan kaptivite (esklavaj). Se sa k fè, Manuel te ka baze dans Kalabiyen an sou yon mouvman wotasyon tradisyonèl Kongo ke li te abitye avè l.
Anplis de sa, kreyasyon Kalabiyen an, ansanm ak tout dans fòlklorik pou amizman ke Ayiti genyen, Claude Carré atribiye l a gwoup etnik Kongo a, ansanm ak kontribisyon ki soti nan kilti Lewòp. (94)


Referans

(1) Sylviane A. Diouf. Servants of Allah : African Muslims Enslaved in the Americas. New York, 1998. p.150.
(2) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti. Tome 1. Paris, 1853. p.352.
(3) Joseph Saint-Rémy. Pétion et Haïti, étude monographique et historique. Tome 1. Paris, 1864. pp.149-150.
(4) M.L.E. Moreau de St. Méry. Loix et constitutions des colonies françoises de l'Amérique Sous le Vent, Vol 4. Paris, 1784. pp.352-355.

(5-6) Terry Rey. The Priest and the Prophetess : Abbé Ouvière, Romaine Rivière, and the Revolutionary Atlantic World. Oxford, 2017. pp.31-32, 68-69.
(7-8) Beaubrun Ardouin. Op. Cit. pp.324-325, 207.
 
(9-11) Thomas Madiou. Histoire d'Haïti, Tome 1. Port-au-Prince, 1847. pp.100-101.
(12) Gaspard Théodore Mollien. Haiti ou Saint Domingue, Tome 1. (Écrit en 1832) Paris, 2006. p.67.
(13-14) Chatillon Marcel, Debien G., du Boisrouvray Xavier, de Maupeou Gilles. "Papiers privés sur l'histoire des Antilles". In: Revue française d'histoire d'outre-mer, tome 59, n°216, 3e trimestre 1972. pp.432-490.
(15) Odette Mennesson-Rigaud. "Le rôle du Vaudou dans l'indépendance d'Haïti." In : Présence Africaine. Nouvelle série. No.18/19 (février-mai 1958). pp.43-67 (p.63)
(16) ‪Joseph Cuoq‬. ‪Les Musulmans en Afrique‬. Paris, 1975. p.241.
(17) AN, D-XXV, 23, 232, Pierre Poulain to Sonthonax, 25 February 1793. Yon sitasyon John K. Thornton. "I Am the Subject of the King of Congo : African Political Ideology and the Haitian Revolution". In : Journal of World History, Vol. 4, No. 2, 1993. pp.181-214.
(18) P.-M. (Pélage-Marie) Duboys. Précis historique des annales de la colonie française de Saint-Domingue... Tome 1. Arcahaie, 1804. p.147.
(19) Thomas Madiou. Op. Cit. p.181.
(20-21) Ignace Nau. "Souvenirs historiques : le lambi". In : L'Union, Recueil commercial et littéraire. No 18, Port-au-Prince, 1837. p.3.
(22) Samuel Crowther. Vocabulary of the Yoruba Language. London, 1852. p.157.
(23) François Eldin, Haiti : 13 ans de séjour aux Antilles. Toulouse, 1878. pp.69-71.
(24) Jean Targète, Raphael G. Urciolo. Haitian Creole English Dictionary. Kensington, 1993. p.171.
(25) Wè Tilo Plöger. Die Götter Von Ifá : Die Orixás: Die inneren Polaritäten des Menschen. Hamburg, 2016.
(26) Ignace Nau. "Souvenirs historiques : le lambi"..., Op. Cit. pp.2-3.
(27) Beaubrun Ardouin. Op. Cit. p.352-353.
(28) Jacques de Norvins. "Variétés. Toussaint Louverture". In : La Presse du dimanche 13 novembre 1836, no.124. p.3.
(29) Beaubrun Ardouin. Op. Cit. p.353.
(30-32) Ibid. pp.356, 357, 358.
(33) P.-M. (Pélage-Marie) Duboys. Op. Cit. p.148.
(34) Ignace Nau. "Un épisode de la révolution : Conte créole. (Suite) : Le Camp-Pernier. II". In : Le Républicain : Recueil scientifique et littéraire. No.10. du 1er janvier 1837. Port-au-Prince, pp.2-5.
(35) Étienne Polvérel. "Lettre datée du Port-Républicain le 16 avril 1794 à Montbrun, commandant de la province de l’Ouest, relative à l’Affricain Zamore. AN. D/XXV/42.” Yon sitasyon Vertus Saint-Louis. "Le surgissement du terme "africain" pendant la révolution de Saint-Domingue". In : Ethnologies, vol. 28, n° 1, 2006, p. 147-171. (p.153)
(36) Terry Rey."The Virgin Mary and Revolution in Saint-Domingue: The Charisma of Romaine-la-Prophétesse." In : Journal of Historical Sociology Vol. 11 No.3, September 1998. pp.341–369. (pp.357-362) ; Terry Rey. "Habitus et hybridité : une interprétation du syncrétisme dans la religion afro-catholique d’après Bourdieu". In : Social Compass, 52(4), 2005. pp.453-462.
(37) John K. Thornton. The Kongolese Saint Anthony: Dona Beatriz Kimpa Vita and the Antonian Movement, 1684-1706. Cambridge, 2009. p.26.
(38-40) Louis Jadin. Le Congo et la secte des Antoniens: Restauration du royaume sous Pedro IV et la "Saint Antoine" congolaise (1694-1718)." In : Bulletin de l'Institut Historique Belge de Rome n .033, 1961. pp.411-614.
(41) Wè Anne Stamm. "La société créole à Saint-Paul de Loanda dans les années 1838-1848' In: Revue française d'histoire d'outre-mer, tome 59, n°217, 4e trimestre 1972. pp. 578-610. (p.606)
(42) Pou twoubadou ayisyen an, koute André Gunfred, Andréas Lacroix. "Bon ti konsèy". Anrejistre nan 1936, nan Pon Bedè, Ayiti. (Alan Lomax's recordings in Haiti: 1936-1937, Volume 2.). URL : http://red3mp3.ru/7448841/andre-gunfred-bon-ti-konsey.htm ; Pou Kandonmble brezilyen, koute : 1) Shimiya's group. "Opanije (rhythms for Omolù)" - a Ketu-drumming with sticks. Anrejistre nan 1941 oswa 1942 nan Salvadò de Baya, Brezil (The Yoruba / Dahomean Collection: Orishas Across the Ocean. The Mickey Hart Collection, 1998). URL : https://www.youtube.com/watch?v=RVXRzbzLLus ; 2) Jorge Alabè. "Avamunha". Cantigas e Ritmos dos Orixas. The Music of Candomblé, 2012. URL: http://red3mp3.ru/14328489/jorge Pou w jwenn kantite ritm tanbou ki genyen nan tout Nanchon relijyon tradisyonèl brezilyen an, wè Luis Nicolau Parés. The formation of Candomblé : Vodun history and ritual in Brazil. (Tradiktè Richard Vernon). Chapel Hill, 2013. pp.251-255.
(43) Jerry Gilles. "Remembering Toni Malo (Kimpa Vita)." [anliy] ; URL : http://www.bookmanlit.com/tonimalo.html ; Vizite nan jounen 25 mas 2019.
(44) Ọbádélé Kambon, PhD. Dictionnaire (Lexique) Kikongo-Français. [anliy] URL : https://www.abibitumikasa.com/forums/showthread.php/48048-Dictionnaire-%28Lexique%29-Kikongo-Fran%C3%A7ais ; Vizite nan jounen 30 jiyè 2017.
(45-46) Raphaël Batsîkama ba Mampuya ma Ndâwla. L'ancien royaume du Congo et les Bakongo. Paris, 1999. pp.14-15 ; 182.
(47) Georges Balandier. La vie quotidienne au royaume de Kongo du XVIe au XVIIIe siècle. Paris, 1965. p.243.
(48) Wyatt MacGaffey. Kongo Political Culture : The Conceptual Challenge of the Particular. Bloomington, 2000. p.93.
(49) Jerry Gilles. Op. Cit.
(50) Journal des débats politiques et littéraires (Paris) du 2 juin 1898 (no 152), p.1 ; Wè tou L'Impartial du 24 décembre 1896. Port-au-Prince. p.? ; Le Constitutionnel du dimanche 11 avril 1897 (no 30011). Paris. p.3. ; Le Petit caporal : journal quotidien, politique, démocratique et patriotique du lundi 12 avril 1897. p.2.
(51-53) Antoine Pierre-Paul. ‪Les contre-vérités d'une thèse à l'École normale supérieure et la levee de boucliers dominicano-lecontiste de 1911‬. Port-au-Prince, 1963. pp.24-26.
(54) Pierre-François-Xavier de Charlevoix, Humblot. Histoire de l'île espagnole de St Domingue. Paris, 1731. p.501.
(55) Milo Rigaud. La Tradition voudoo et le voudoo haïtien. Paris, 1953. p.66.
(56) Terry Rey. The Priest and the Prophetess : Abbé Ouvière, Romaine Rivière, and the Revolutionary Atlantic World. Oxford, 2017. pp.62-63.
(57) Matt Schaffer. "Bound to Africa: The Mandinka Legacy in The New World" in: History in Africa 32, 2005. pp.321-369.
(58) Les Affiches Américaines du samedi 25 janvier 1783. Parution No.4. p.39.
(59) P.-M. (Pélage-Marie) Duboys. Op. Cit. p.100.
(60) Paul Mercier. "Notice sur le peuplement yoruba au Dahomey-Togo (1)." In : Études dahoméennes, Volume 4, 1950. pp.29-40. (p.30)
(61) Alfred Métraux. Le Vaudou haïtien. Paris, 1958. p.328.
(62) Anago James Akeeem Osho. "The Anago in Benin Republic, Togo and Nigeria..." [anliy] URL : http://anagoadventures.blogspot.com/2016/04/the-anago-in-benin-republic-and-nigeria.html ; Vizite nan jounen 9 mas 2019.
(63) Ignace Nau. "Souvenirs historiques : le lambi"..., Op. Cit. p.2.
(64) Yo te sigjere ke mo capoeira a jwenn orijin nan lang Amerendyen (Tupi-Guarani) yo, nan referans a yon "forè (rak bwa) ke dife te manje". Ipotèz sila ki vize nwaye patènite "Afriken" capoeira a kòm yon armasyal, li pa kanpe sou anyen. Wè Nestor Capoeira. Capoeira : Roots of the Dance-Fight-Game. Berkeley, 2002. pp.109-110.
(65) Wè Émile Littré. Dictionnaire Littré de la langue française. Tome 1. Genève, 1976. p.479. ; URL : https://www.littre.org/definition/capon
(66) Albano Neves e Sousa. Da minha África e do Brasil que eu vi. Luanda, 1965. p.57.
(67) J. M. Jenniges. Traité de Kiluba-Sanga, tel qu'il est parlé au secteur du Haut-Luapula (Katanga) et régions limitrophes. Publication État indépendant du Congo, 1908. p.7.
(68) Matthias Röhrig Assunção. Capoeira: A History of an Afro-Brazilian Martial Art. Abingdon, 2005. pp.49-56.
(69) Ọbádélé Kambon, PhD. Dictionnaire (Lexique) Kikongo-Français. Op. Cit.
(70) Wè Thomas J. Desch Obi. Fighting for Honor: The History of African Martial Art Traditions in the Atlantic World. Columbia, 2008 ; Otè Desch Obi a, (pp.37-41) kontredi Neves e Sousa sou lefètke mo Ngolo a refere a zèb la. Li kwè olye de sa ke kout pyè tèt anba nan Ngolo (Engolo) a te reflete reyalite mond anba tè a, ki se mond Zansèt yo, sou mond èt vivan yo. Sepandan, li te twonpe l, paske nan lang "Bantou" yo, pliryèl "Ngolo", yo make l ak yon prefiks (kidonk premye bout nan mo a) kise "Wa". E prefiks "Wa" nan "Wa Ngolo", yo itilize l sèlman lè y ap pale de yon zannimo. (J. M. Jenniges, Op. Cit p.26). Epitou, mo Kreyòl "donmpèt" la, ki dekri yon chwal (zannimo) ki renmen voye kout zago, se menm mo sa ki se non dans Petro a, eritaj Jaga a. Sa konfime lyen ki genyen ant Capoeira, Petro, ak zèb la.
(71) Nathalis Lembe Masiala. Quelques éléments de l'oralité dans la palabre Kinzonzi, en pays Kongo ( RDC). Paris, 2011. p.31.
(72) Jasmine Narcisse. "Mémoire de femmes : Euphémie Daguilh". [anliy] ; URL : http://www.jasminenarcisse.com/memoire/02_independance/04_euphemie.html
(73) Guy-Joseph Bonnet. Souvenirs historiques de Guy-Joseph Bonnet, général de division des armées de la République d'Haïti. Paris, 1864. p.137.

(74-75) Beauvais Lespinasse. "Danses et chants nationaux d'Haïti. III : Carabinier" In : Le Républicain : Recueil scientifique et littéraire du 1er janvier 1837. No.10. pp.5-8. (p.5)
(76) Edgar La Selve. Le pays des négres: voyage á Haïti, ancienne partie française de Saint-Domingue. Paris, 1881. pp.169-170.
(77) "Arrêté du général Ferrand du 6 janvier 1805". In : Haïti. Lois et actes sous le règne de Jean Jacques Dessalines. Port-au-Prince, 2006. p.46.
(78) Thomas Madiou. Histoire d'Haïti. Tome 3. Port-au-Prince, 1848. p.202.
(79) "Journal de la campagne de Santo-Domingo". In : Haïti. Lois et actes sous le règne de Jean Jacques Dessalines. Port-au-Prince, 2006. pp.48-54.
(80) Jean Price-Mars. La République d'Haïti et la République Dominicaine. Tome 1. Port-au-Prince, 1953. p.67.
(81) Thomas Madiou. Op. Cit. Tome 3. p.290.
(82) Gustave d'Alaux. "Les moeurs et la littérature nègres". In : Revue des deux mondes. Tome 14. Paris, 1852. pp.762-794. (p.778)
(83) Thomas Madiou. Op. Cit. Tome 3. p.234.
(84) Antoine Hubert Louis. "L’Empereur Jacques I, entre naissance et assassinat…" ; poste le 21 septanm 2012. [anliy] URL : https://www.hpnhaiti.com/site/index.php/societe/7233-haiti-culture--lempereur-jacques-i-entre-naissance-et-assassinat ; vizite nan jounen 15 desanm 2019.
(85) Bryant C. Freeman, Jowel C. Laguerre. Haitian - English Dictionary. Lawrence, 1996. p.249.
(86) Claude Carré. "Les musiques coutumières haïtiennes". Resous ki anliy.
(87) Monique Boisseron. ‪Haïti dans le regard de la République Dominicaine dans la seconde moitié du XXe‬: ‪siècle‬. ‪Lille‬, 2002. p.379.
(88) Beauvais Lespinasse. Op. Cit.

(89) Wè lèt abòne jounal la, ki siyen nan Pòtoprens, 8 janvye 1837. Le Républicain : Recueil scientifique et littéraire. No.12, Port-au-Prince, 1er février 1837. pp.6-7. (p.7)
(90) Benjamin Lapidus. Origins of Cuban Music and Dance : Changüí. Plymouth, 2008. p.128.
(91) M.L.E. Moreau de St. Méry. De la danse. Parme, 1801. p.46
(92) Supplément aux Affiches Américaines du mardi 23 janvier 1781. Parution. No. 4. p.34.

(93) Supplément aux Affiches Américaines du samedi 12 octobre 1776. Parution. No. 41. p.492.
(94) Claude Carré. Op. Cit.




Jan pou n site atik sa:

Rodney Salnave. "Alawou pa t mizilman". 28 me 2019 ; Mizajou 17 jen 2020. [anliy] URL : https://bwakayiman.blogspot.com/2019/05/alawou-pa-t-mizilman.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].


Kontak : asaomedia@yahoo.com

Twitter : @BwaKayIlMent


Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020