Yaya pa t mizilman

 


Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 6 fevriye 2019
(Mizakou : 13 fev. 2020)


Jenosid istorik ak relijye ke Ayiti ap sibi jounen jodiya, li pa gen okenn limit. Nan jefò yo pou yo wete Revolisyon an ak memwa laviktwa a nan men Ayiti, revizyonis jenosidè yo pa rete devan anyen. Sistematikman, kennenpòt bagay ke Ayisyen an genyen ki gen valè, yo :
  • swa lage l nan men islam
  • swa lage nan men kilti Endyen Tayino yo ki te fin disparèt yon dal tan anvan
  • oswa yo lage nan men valè Dwa delòm ki te vini ak Revolisyon franse a ; alòske revolisyonè  Sendomeng (Ayisyen) yo t ap goumen kont Revolisyon franse a ; paske yo te reyini sou baz konviksyon tradisyonalis, epi politikman, san yo pa t kache sa, yo te gwo patizan wayote a
Se sa k fè, nou sètoblije sistematikman kraze chak nan reklamasyon revizyonis visye sa yo. Nan atik sila, nou pral konsantre nou, byen antandi, sou pati islamik nan gwo manman jenosid sila. Sa menmen nou pale de Gillot (Jilo), alyas Yaya, ki te yonn nan anpil ewo nan Sendomeng (Ayiti) ki te tounen sib pou dappiyan jenosid islamik la.
 


1- Revizyon islamik sou Yaya a

Gillot alyas Yaya te yon lidè rebèl ki se sove (oswa mawon) nan lokalite Troudinò ak Tèryerouj yo, ki sitiye nan Nòdès koloni franse Sendomeng (Ayiti jodiya). Kòm pinisyon pou zak fann fwa li yo, yo te egzekite l an 1787, kidonk apèn kat lane anvan Revolisyon ayisyen an te kòmanse :
"Au mois de septembre 1787, Gillot, surnommé Yaya, a été condamné au dernier supplice, pour avoir renouvelé, dans les paroisses du Trou et du Terrier Rouge, les scènes qui caractérisent un brigand sanguinaire." (1)
Tradiksyon :
"Nan mwa septanm 1787, Gillot, ki gen ti non Yaya, te jwenn kondanasyon amò, paske li te renouvle, nan pawas Otrou ak Tèryerouj, zak sila yo ki karakterize yon brigan asasen."
San sipriz, revizyonis islamik Sylviane Diouf la te chèche fè dappiyan sou lidè Domengwa sila :
"What the French did not realize was that their most profitable colony, Saint Domingue, was fecund ground for Muslim maroons and rebels. The island had always had numerous maroon communities, (...) It is not known if some maroon communities were entirely composed of Muslims, but major communities had Muslim leaders. Yaya, also called Gillot, was a devastating presence in the parishes of Trou and Terrier Rouge, before he was executed in September 1787." (2)
Tradiksyon :
"Sa Franse yo pa t reyalize, se ke koloni ki pi fwofitab yo a, Sendomeng, te yon tè donnen pou mizilman mawon ak rebèl. Zile a te toujou gen anpil kominote Mawon, (...) Yo pa konnen si kèk kominote mawon te konplètman konpoze ak Mizilman, men pifo kominote te gen chèf Mizilman. Yaya, yo rele Gillot tou, li te yon prezans devastatè nan pawas Otrou ak Tèryerouj, anvan yo egzekite l nan mwa septanm 1787."
San wont, Diouf te pretann, ke "yo pa konnen si kèk kominote mawon te konplètman konpoze ak Mizilman, men pifò kominote te gen chèf Mizilman". Men, kote prèv de sa? Paske pa gen anyen nan achiv Sendomeng yo ki mansyone relijyon mizilman an nan mitan mawon yo, ni kòm yon eleman revolisyonè nan koloni a an jeneral. Kolonèl Malenfant, yon kolon Sendomeng ki te chèche tras kaptif (esklav) islamize nan Sendomeng, li pa t janm rankontre okenn nan yo, pèsonèlman. Li te blije kontante l de konfimasyon ki te soti nan bouch lòt kolon ki te deja posede kaptif (esklav) sa yo, nan yon tan pase :
"Il y a des colons qui m'ont assuré qu'ils avaient eu pour esclaves des noirs mahométants [musulmans], et même des derviches." (3)
Tradiksyon :
"Genyen kolon ki te asire mwen ke yo te deja gen esklav nwa mahometan [mizilman], e menm ki te dèrvich."
Akozke kaptif (esklav) yo mizilman te ra, pou Malenfant te ranfòse agiman li ke yo te egziste nan Sendomeng, li pa t gen chwa pale de kontak li te genyen ak mizilman nan lòt koloni ki pa t Sendomeng. Kidonk, kokennchenn prezans mizilman ki ta swadizan chèf yo, jan Diouf te ekri a, se te manti. Sa pa reflete reyalite a, jan yo te viv li nan Sendomeng. Nan koloni sila, zafè yo rele mizilman an te sèlman yon souvni vag epi byen lwen nan lespri kèk grenn kolon. Anplis de sa, yon dal prèv ale nan lòt sans la. Paske kolon yo, pou kont yo, te konekte mawonaj sasinè ak Kongo yo (ki fondamantalman tradisyonalis) : 
"On a la preuve dans l'établissement des montagnes de l'acul de Samedi et par conséquent de Vallière. Tous les noms de piton des Nègres, de piton des Flambeaux, de piton des Ténèbres, de crête à Congo, rappellent des époques où des fugitifs se cantonnaient dans des points presque inaccessibles, ne fût-ce que par le défaut de chemins. On se rappelle encore de Polidor et de sa bande, de ses meurtres, de ses brigandages et surtout de la peine qu'on eut à l'arrêter." (4)
Tradiksyon :
"Gen prèv de sa nan group kay nan mòn Lakilsamdi yo, kidonk nan Valyèr. Tout non tèt mòn yo piton des Nègres [tèt mòn Nèg], piton des Flambeaux [tèt mòn Flanbo], piton des Ténèbres [tèt mòn Fènwa], crête à Congo [pwent mòn a Kongo], yo fè n sonje epok lè mawon yo te al sere nan pwent ki prèske pa aksesib yo, jis paske te manke wout. Nou toujou sonje Polidor ak bann li a, sasinè sa yo, brigan sa yo, e sitou tout mizè nou te genyen pou nou te arete l."
Kidonk, kolon yo te asosye Kongo yo ak mòn ki te kachèt mawon sasinè yo nan Lakilsamdi ak nan Valyèr, rejyon ki toupre kote Yaya te konn opere. E kolon yo pa t mansyone okenn mawon mizilman ki pa t menm egziste. Konsa jis sou aspè sila, deklarasyon islamik Diouf la pa kredib.


1.1- Yaya pa t premye lidè rebèl nan rejyon li a

Revizyonis yo, nan chèche envante yon enfliyans islamik nan koloni Sendomeng la, pifò tan, se triye yo triye. Yo pe bouch yo sou egzistans dividal kantite lidè revolisyonè, jis pou yo ka prezante sèlman sila yo ke yo konsidere mizilman oswa islamize yo

a) Polydor
Se sa k fè Diouf, revizyonis la, pale de Yaya, pandan ke li pa di ke depi lontan, anvan mèvèy Yaya yo nan rejyon Troudinò ak Tèryerouj, te gen chèf mawon tankou Polidor (Polidò), ki te pli sasinè ankò :
"La conformation de ces montagnes et de celles des autres paroisses contiguës, (...) tout dispose ces lieux pour être l'asile préféré des nègres fugitifs, qui peuvent choisir ou d'une vie fainéante, difficile à troubler, ou d'un plan de désolation pour les différentes parties exposées à leurs irruptions, sauf à payer de leur vie les crimes qu'ils entassent.
C'est une résolution du dernier genre que la dépendance du Trou à dû les longues vexations que lui fit le nègre Polydor à la tête d'une bande de nègres armés, qui fut enfin détruire par la réunion des habitants du lieu et des environs. L'effroi qu'avait répandu Polydor par ses atrocités était si grand, que sa destruction fut considérée comme un service rendu à toute la colonie; et le nègre Laurent, dit César, qui concourut, avec M. Nautel, son maître, à arrêter ce scélérat dans la savane qui a gardé son nom, où il fut tué, obtint des administrateurs, le 28 juin 1734, la liberté qu'ils avaient promise à l'esclave qui prendrait Polydor, mort ou vif." (5)
Tradiksyon :
"Jan mòn sa yo fèt ansanm ak lòt yo nan pawas toupre yo, (...) tout genyen kote ke nèg mawon yo renmen kache, yo ka chwazi swa fè yon vi parese, ke l ap difisil pou yo vin deranje yo, oswa yo chwazi fè yon plan dezolasyon pou divès kalite kote ki ka viktim kraze brize yo, eksepte ke y ap peye krim ke yo simaye yo ak lavi yo.
Se rezolisyon nan dènyè kalite sila ki te lakòz bouk ki depann de Otrou a sibi malè manch long nan men nèg Polydor a, ki te chèf bann nèg mawon ak zam yo, limenm ke yo te finalman detwi, gras a tèt kole rezidan lokal nan zòn an. Lapèrèz ke Polydor te simaye akoz de atwosite li yo, te si tèlman gwo, ke destriksyon li te konsidere kòm yon sèvis yo rann koloni a an antye; epi nèg Laurent [Loran] an, alyas César [Seza], ki te pote kole ak ak Mesye Nautel, mèt li, te arete malfrendeng sa nan savann ki kenbe non l, kote yo te touye l, te jwenn nan men administratè yo, nan dat 28 jen 1734, libète ke yo te pwomèt esklav la ki ta arete Polydor a, kit li mouri, kit li vivan."
Me yon jijman ki te rekonpanse sila yo ki te fann fwa Polydor ak Joseph (Jozèf), dezyèm apre li nan grad :


"JIJMAN Konsèy Okap la, ki bay senk Blan, ki anplwaye sou bitasyon Carbon an, nan Bwadlans, yon sòm de 1000 liv, ke yo ka pran nan kès Dwa egzekite yo, paske yo te detwi yon bann Nèg Mawon, ki gen pou chèf Polydor ak Joseph.
Nan dat 10 jen 1734." (Trad.) (6)
Epi konplisite yon esklav nan zonn an te fasilite asasina Polydor ansanm ak bann li a. Esklav sila te resevwa libète li kòm rekonpans pou zak trèt li kont kanmarad li yo :
 

"LÒD dministratè yo, ki, sou demann Abitan yo, bay yon Esklav libète pou sèvis li te rann Koloni a, li dwe sèvi twa lane nan Marechaussée a [lapolis lokal la].


Nan dat 28 jen 1734.
Maki de Fayet, elatriye.
    Jean-Baptiste Duclos, elatriye.
    Dapre reprezantasyon Abitan katye ak Pawas Otwou a, ki depann de Fòdofen, gwo dezòd ke sila yo nonmen Polydor a, Nèg-Mawon an, te fè, sa te fòse nou chache fason pou nou fè sa sispann byen vit ; Nou ta pwomèt, pami lòt bagay, libète pou nenpòt Esklav ki ta arete l mò oswa vivan; men, menmsi sila yo nonmen Laurent, alyas César a, Nèg-Esklav Mesye Nautel la, pa t moun ki te pi kontribye nan arete Polydor a, ke yo te touye, li sepandan vre ke li te yon gwo èd pou Mèt li, pandan arestasyon an..." (Trad.) (7)
Konsa, kontrèman ak deklarasyon san prèv Diouf la, kòmkwa te gen kaptif (esklav) islamize nan mitan bann mawon yo, epi chèf mawon yo ta va nan relijyon sila. Pa gen anyen nan istwa Polydor, Joseph, ansanm ak bann mawon nan Otroudinò yo ki ta gen arevwa ak islam. Anyen nan non yo, ni nan pratik yo.

b) Thélémaque alyas Canga
Nòdès la an jeneral, ki gen ladan Otrou, Tèryerouj, ak lòt kote ki depann de Fort Dauphin (Fòlibète), te pwodwi lòt chèf mawon. Apre Polidor, chèf ki te pi remakab la te Thélémaque (Telemak) alyas Canga* (Kanga) :
"Depuis et en 1777, le nègre Canga, autre chef de bande et désolateur du canton des Écrevisses, a expié sous le glaive de la loi, de nouveaux ravages..." (8)
Tradiksyon :
"Depi e nan lane 1777, nèg Canga a, yon lòt chèf bann mawon epi kraze brizè nan bouk Ekrevis la, li te mouri anba kout epe lalwa, nouvo ravaj..."
Me jijman ki te kondane Thélémaque alyas Canga nan dat 2 oktòb 1777 :


"JIJMAN Konsèy Okap la, ki kondane sila yo nonmen THÉLÉMAQUE, alyas Canga, Chèf Nèg mawon, jwenn kondanasyon difèt li te ravaje, an tèt bann ame li a, plizyè bitasyon nan Ekrevis ak Fonble, epi difèt li te defann tèt li kont yon Blan; sila yo nonmen ISAAC la, li tou Nèg esklav, dezyèm chèf nan bann li a, jwen kondanasyon pou menm zak yo ; epi sila yo nonmen PIRRHUS la, alyas Candide, li tou Nèg esklav nan menm bann an, jwenn kondanasyon difèt li te blese yon blan, yo gen pou yo kraze yo vivan anba wou, pou tèt yo kole sou pikèt nan gran chimen an soti Fort-Dauphin rive Ekrevis; sis lòt Nèg ak Nègès yo, yo dwe pann yo, lòt yo ak pran fwèt ansanm ak tanpe; jijman an dwe enprime, pibliye ak afiche, touswit nan Okap ak Fort Dauphin.
Nan dat 2 oktòb 1777." (Trad.) (9)
Canga, nan Thélémaque Canga, parèt soti nan lang Kongo. Sa mache ak dal mawon ki te gen non sa, nan achiv Sendomeng yo :


 "Le 4, Canga, Kongo, li pa tanpe, 24 an, wotè li 4 pye 10 pous, li gen mak tiveròl, li pretann ke li se pwopriyete Mesye Claicheboscau nan Kingston (Trad.) (10)
E se sèlman 10 lane apre lanmò Thélémaque Canga, ki te chèf bann mawon nan rejyon an, ke Gillot alyas Yaya te sibi menm sò a. Konsa, san yo retire anyen nan efò ak sakrifis iltim Gillot alyas Yaya nan lit pou libere pèp li a, prèv yo montre ke li te yon pati nan yon rezistans (ki sanble tradisyonalis Kongo a), ki te la anvan l, depi plizyè deseni nan rejyon an. Anplis, kolon Moreau de Saint Méry te fè remake ke Yaya te senpleman "renouvle" zak sasinè yo nan zonn nan.
 

2- Non Yaya a nan koloni Sendomeng la

Anvan yo pwopoze ke yon kaptif (esklav) te gen lafwa mizilman oswa yon lòt relijyon, prèv byen klè dwe demontre sa. Pwiske revizyonis yo echwe nan pote prèv, ann gade pou yo kisa done achiv yo di sou non Yaya a.

a) Marie Yaya
Depi 1726, kidonk apèn kèk deseni depi konmansman enpòtasyon kaptif (esklav) nan Sendomeng, Marie Yaya, yon kaptif (esklav) Tigwav, te jwenn kondanasyon paske li te frekante yo bann vòlè ak sasinè, epi li te pwofite de machandiz krim yo :


"JIJMAN Konsèy Tigwav la, kont plizyè Esklav vòlè ak sasinè, epi li mete yon pri sou tèt plizyè lòt moun.
Nan dat 6 me 1726.
Ant Adjwen Pwokirè Jeneral Wa a, sou Tribinal Woyal Vil sila, Aplikan ak Akizè, Nan apèl de santans ti be bay nan Tribinal nou di a, le onz Avril dènyè; Kont trant Nèg, Nègès ak Milatrès, Esklav, konsène.
(...)
Deklare Marie Goyo, Esklav, Marie Yaya ak Madeleine, Nègès, diman akize ak kondane difèt ke yo te frekante epi rete ak sila yo yo nonmen Forban, La Rose ak Bernard yo, ke yo te nan bagay avè yo, e ke yo te resevwa tout kalte machandiz vole, ke pwosè a te devwale ; pou konpansasyon de sa, kondanasyon yo se pandezon epi trangleman jouk lanmò rive." (Trad.) (11)
b) Yaya alyas Jean Baptiste
An 1781, yon anons mawonaj te pale de Yaya alyas Jean Baptiste (Jan Batis) :


"Yon Nèg yo rele Yaya, alyas Jean-Baptiste, kreyòl ki soti Matinik, li gaya anpil, li tanpe DANEY, li mawon depi dis jou. Sila yo ki va rekonèt li, yo mande yo fè arete l, epi voye nouvèl bay Mesye Daney, ki Komèsan Okap, se kina li li ye." (Trad.) (12)

c) Jean-Pierre Yaya
Nan lane 1786, 2 anons te bay pou yon menm nèg mawon ki rele Yaya, ki pwopriyete kolon Fauconet. Premye anons la, ki te parèt sèlman sou non Yaya a, te soti nan 25 janvye :


 "Yaya, wotè li 5 pye 4 pous, li tanpe FAUCONET, li boule nan men dwat, li mawon. Voye nouvèl bay Mesye Fauconet." (Trad.) (13)
Dezyèm anons la te pibliye 24 me. Li te revele ke bon jan non nèg mawon an te Jean-Pierre Yaya, e ke li te yon bon bòs tayè :


"Yon Nèg kreyòl, bon tayè, li di li lib, li pran plizyè non, li pale bon Franse, li gen 22 zan, wotè li 5 pye 5 pous, li tanpe FAUCONET sou li tete dwat li, koulè li wouj, li manke de dan devan anwo ; li boule sou men dwat, ak yon mak sou zepòl dwat, li mens ak ti tay anpil, pye li gran epi po bouch ki près anpil, li mawon depu kat mwa. Bon non nwè sila se Jean-Pierre Yaya. Sila yo ki va gen konesans li, yo mande yo voye nouvèl bay Mesye Fauconet, Ri Conflans ak Vieux Gouvernement, oswa bat Mesye Comard ak Bancheraux, ki komèsan Okap." (Trad.) (14)
d) Anne Yaya
An 1788, nan dat 11 novanm, envantè yon bitasyon kafe nan Monwi (nan Latibonit), ki se pwopriyete Jean Paqué (Kont Delugé), revele yon bòn Kreyòl ki rele Anne Yaya :


"Anne Yaya, Kreyòl, 31 an, bòn..   4.500
Agathe, Colocoly, 39 an, bòn. . . .   3.000
Acanotte, Aguia, 41 an, bòn. . . . .   2.500
Junon, Arada, 48 an, bòn. . . . . . .    1.000." (Trad.) (15)
3 oswa 4 Yaya sa yo (2 ou 3 gason ak 1 fanm) te Kreyòl. Sa vle di ke yo te fèt nan kontinan Lamerik relijyon kretyen an. Kidonk, chans pou yo ta manb nan relijyon mizilman an, diminye nètalkole.

e) Marie-Françoise Yaya
Finalman, nou dwe pran an kont ke "Yaya" te yon non fanmi ke kolon nan Sendomeng te genyen. Anons sila an 1793, mansyone depa Marie-Françoise Yaya, yon sitwayèn nan Fort Dauphin (Fò Liberté jounen jodiya) ki te pran egzil nan New England (Nouvèl Angletè) :


(...)
"DEPA POU NOUVÈL ANGLETÈ.
         SITWAYEN YO,
(...)
Barrousel, Duboulet, Parouneau, Gaillard, ak sitwayèn Marie-Françoise Yaya ; yo tout soti Fort Dauphin." (Trad.) (16)  
Men, lè nou pran an kont ke anpil fwa, kaptif (esklav) yo te konn jwenn (oswa pran) non pwopriyetè yo, orijin non 'Yaya" a vin pèdi eksklizivite "Afriken" li. E san eksklizivite "afriken" sila, tèz revizyon islamik la tonbe nan tchouboum.

 

3- Non Yaya a nan peyi Ayiti

Apre koloni Sendomeng, itilizasyon Yaya, kòm yon non fanmi oswa kòm yon tinon, kontinye an Ayiti, peyi endepandan an. Ann voye yon kout je sou aspè sa a.

a) Jean-Baptiste Yaya
Nan lis fòs Lame Wayal (Nò) Ayiti a, nan dat 1814, nou pa t atann jwenn, yon lyetnan ki te rele Jean-Baptiste Yaya. Li te sèvi nan 30tyèm Rejiman nan Sansousi a :


"30tyèm Rejiman nan Sansousi
Eta Majò, Mesye yo,
de Benoit Rau, kolonèl, C.
de Lejeune, lyetnan kolonèl, C.
Félix Jean, idem. [menm jan]
Jean Pierre, idem.
Dieudonné Lafleur, soulyetnan, katye-mèt.
Pierre Louis Charlot, kaptenn, enstriktè.
Saint Antoine, kaptenn, adjidan majò.
Jean-Baptiste Yaya, lyetnan, idem.
Saty, soulyetnan, idem." (Trad.) (17)
Eske se te menm Yaya a ki te yon mawon 33 lane de sa? Li posib anpil. Men, de tout fason, Lyetnan Yaya te kenbe "Jean-Baptiste" (Jan Batis), ki se non kretyen. Konsa, li pa t ranplase l pa yon non mizilman, menmsi li te lib an 1814. Eske li te janm yon mizilman? Nou pa ka di.

b) Caminère alyas Yaya
Nan dat 6 avril 1851, jounal Pòtoprens yo te mansyone Caminère alyas Yaya, pandan yon pwosè sou yon konplo ki te fèt kont gouvènman Soulouque (Soulouk) la :


"Frédéric aîné, nan konfwontasyon li ak Cazeau te nye zafè sa yo ; men li te rete fèm ke li te okouran de sikilasyon manifès sila pa revelasyon ke li te jwenn nan men  senatè Clervau ansanm ak frè li Caminère aka Yaya nan samdi swa, jounen anvan arestasyon li a." (Trad.) (18)
Antanke frè yon senatè yo rele Clervau, ki limenm tou te okouran de konplo a, Caminère alyas Yaya ta dwe yon Kreyòl (kidonk li te fèt nan zile a). Pa konsekan, gen dout ke tinon Yaya li a te gen okenn koneksyon ak okenn relijyon. E li te gen mwens koneksyon ankò ak relijyon islamik la, ki pwobableman pa te rive jwenn jenerasyon kreyòl la ; e sa, se lè te menm gen islam.
 
c) Sanilia alyas Yaya
Sa ki klè, se ke an Ayiti, non Yaya a pa asosye ditou ak islam. Li rete yon non fanmi iswa yon tinon òdinè. Pa egzanp, nan rapò tèren sila ki soti an 1974, yo te bay dosye yon tradisyonalis ki rele Sanilia, e tinon l te Yaya :
"Prenon : Sanilia. [Sanilya]
Tinon : Yaya
Laj : 32. 
Sèks : Fi
Pwofesyon : Machann kleren (wonm brit yo rekòle apèn li soti nan alanbik la).
Kay : Jakmèl
Relijyon : Batize katolik. Pa t fè premye kominyon li, pa janm ale legliz. - Houmfò [tanp vodou li fwekante] : "M ap ale la depi m te ti bebe, nan bra manman m." - Kanzo [etap inisyasyon]: Li te inisye a laj de 28 lane pa "manbo" a - Thémélise [Temeliz], Li te blije tann, akoz lajan te manke. - Poukisa? : "Mwen souvan te wè "Loa" nan rèv mwen e menm "Èzili Dantò" ak "Sen Jak Majè"."
Paran : Papa peyizan, manman machann nan mache. Ni yonn, ni lòt pa "kanzo", men yo sèvi "loa"
Frè ak sè : Twa sè, tout "kanzo". (...)
Prezans nan "houmfò" a : Chak jou." (Trad.) (19)
Pyèsonn pa ka konfonn Sanilia, ki gen tinon Yaya, ak yon fanm mizilman. Limenm ki yon tradisyonis devwe ki machann kleren, kidonk alkòl fò, yon bagay ke islam entèdi.

d) Yaya, non fòlklorik
Li etonan ke nou pa, jiskaprezan, jwenn yon koneksyon ant non oswa tinon Yaya a ak islam. Paske, nan kilti ayisyen, ki soti dirèkteman nan eksperyans lavi nan koloni Sendomeng la, non Yaya a refere premyèman a yon pèsonaj nan yon kont. Nan kont popilè sila, gen tit "Yaya, Ti Roro et Banda", Yaya se papa Ti Roro epi pwopriyetè Banda, bourik la. E pa gen anyen nan kont pou timoun sa ki refere a relijyon oswa a islam.
Nan yon sans ki mwens parèt, kilti ayisyen an konsidere Yaya tou kòm tinon yon ti bebe k ap dòmi. Plizyè chante montre konpreyansyon sila. Pa egzanp, nan chante l ki rele "Neuf heures et demie" (Anasilya, 1986), mizisyen lejandè Ti Paris te chante : Li lè pou l fè Yaya dodo. Dodo Yaya. Dodo cheri. Yon lòt chante - fòlklorik, fwa sila - gen tit : Ti Yaya nou pa bezwen kriye. (Mimi Barthélémy. Dis moi des chansons d'Haïti. Paris, 2007. p.11.) 
Epi, san dout, referans ki pi simaye a, se chante fòlklorik "Balanse Yaya" a. Men, nan kontèks yon ti bebe k ap dòmi, "Balanse Yaya" gen sans "Bèse Yaya".


Sous : Mimi Barthélémy. Dis moi des Chansons d'Haïti : Chansons Traditionnelles illustrées par des peintures d'artistes haïtiens chantées et racontées pour les enfants. Paris, 2007. p.34.

Nan "Balanse Yaya, ki se yon chante ayisyen pou fè ti bebe dòmi, gen yon lis bagay ke paran an pwomèt Yaya, ti bebe k ap dodo li a. Pami lis bagay sa yo, nou jwenn an patikilye yon "bèl kochon" ak yon "bèl lapriyè" ki se "pou Yaya". Asosyasyon kochon an (yon bagay ki entèdi nan islam) ak lapriyè ta dwe derespektan anpil oswa blasfeme, nan yon kontèks islamik. Men, 2 bagay sa yo, ki pa mache ansanm, dapre doktrin islam, me yo relye kanmenm ak non Yaya a. Sa eksprime kijan kilti ayisyen an pa gen arevwa ak linivè islamik la.
Anplis de sa, lefèt ke nan chante a, yo dekri kochon kòm "bèl", sa ale nan sans kontrè pa sèlman islam, li men diferan tou de tout vizyon Abrahamik la ke islam, krisyanis ak jidayis pataje ansanm. Chante pou fè ti bebe dodo sila, sepandan, li mache total kapital ak mannyè panse tradisyonalis la. Menm jan tou pou Yaya, non oswa tinon ayisyen popilè a. 
E anpil fwa, chante "Balanse Yaya" a akonpaye yon jwèt tradisyonèl ki jwè ak yon ti wòch ke chak jwè deplase nan ritm chante a. Li se yon jan de jwèt tankou sila yo rele "chaise musicale" (chèz mizikal) la. Sa siyifikatif, pwiske nan kreyòl ayisyen, Yaya se yon vèb tou. Nan ekspresyon kreyòl "Yaya kò", sans li se "bouje kò w", "bouje", "danse, layite, banbile" (20) oswa fè aktivite fizik nan menm jan an.




4- Non Yaya a nan kontinan zantray la

Nan ki teritwa non Yaya a te soti? revizyonis Diouf la baz agiman islamik li a sou popilarite Yaya kòm non lakay popilasyon "Lafrik" de Lwès yo, ki islamize anpil jodiya. Men, ki orijin non Yaya a, nan tan koloni Sendomeng la? 

Achiv Sendomeng yo pa pèmèt nou reponn kesyon sila, pwiske tout kaptif (esklav) ak non Yaya ke nou te rankontre jiskaprezan, yo te Kreyòl ; kidonk, yo te fèt nan zile a, oswa nan lòt kote nan Lamerik la. Men, erezman, baz done www.slavevoyages.org la ofri nou yon altènatif, kidonk, yon lòt mannyè pou n pwoje verite a. Men, altènatif sila, li pa pafè ditou. Li sèlman ofri non kaptif (esklav) ki te destine pou lòt koloni ki pa t Sendomeng. Anplis de sa, non kaptif (esklav) sa yo, yo te kolekte yo plizyè lane apre endepandans Ayiti (1 janvye 1804).
Menmsi sa, me pwofil kaptif (esklav) yo ki te gen non Yaya nan baz done yo a. Se te kaptif (esklav) ke tribinal entènasyonal nan epòk la te sezi nan mitan lanmè, batiman ki t ap mennen yo a :



Kaptif (esklav) yo rele Yaya, kote yo soti, kote yo prale, elatriye.
ID
Non
Laj
Wotè [in]
Sèks
Relijyon
Vwayaj ID
Non batiman
Dat rive
Anbake
Debake
5324
Yaya
13
57.0
Ti fi
islamize
2947
Bella Eliza
1824
Lagos, Onim
Freetown
9485
Yayah
23
63.0
Fanm
zantray
2841
Lynx
1827
River Brass
Freetown
10621
Yahyah
18
58.0
Fanm
zantray
2970
Dos Amigos
1827
Badagry
Freetown
15558
Yahya
9
47.0
Ti fi
zantray
3015
Triumpho
1828
Anamabu
Freetown
23531
Yayah
24
61.0
Fanm
zantray
2418
Maria
1831
Gallinhas
Freetown
23534
Yayah
16
60.0
Fanm
zantray
2418
Maria
1831
Gallinhas
Freetown
29366
Yaya
11
56.0
Ti gason
islamize
2444
Tamega
1834
Lagos, Onim
Freetown
30933
Yahyah
20
61.0
Fanm
zantray
3047
Antrevido
1835
Whydah
Freetown
35100
Yaya
10
49.0
Ti fi
islamize
3048
Thereza
1835
Lagos, Onim
Freetown
104040
Yaya
11
66.0
Ti gason
zantray
7508
Andorinha
1812
West Central Africa
Freetown
104041
Yaya
11
53.75
Ti gason
zantray
7508
Andorinha
1812
West Central Africa
Freetown
180656
Yayah
25
69.0
Gason
islamize
3620
Telessro(a)
Tebessan
1847
Bight of Benin
Freetown

Sous : http://www.slavevoyages.org/resources/names-database


Nan lis kaptif (esklav) yo rele Yaya sa, nou remake anpatan ke Yaya, se pa yon non arab. Sit kote yo te ambake yo revele ke non "Afriken", e ke li pre-islamik (kidonk li te la anvan islam), e ke li te simaye menm jan nan Lwès ak nan Sant kontinan an. Anplis de sa, soti 1812 rive 1847, nan lis sila se sèlman 4 nan 12 kaptif (esklav) yo te rele Yaya yo te nan relijyon islam** Sa vle di, se te sèlman yon tyè (kidonk yonn sou twa). Epi islamize sa yo te soti nan 2 pò anbakasyon : a) nan Lagos, Onim, ki nan peyi yo rele Nijerya jounen jodiya ; epi, an) Nan Gòlf Benen oswa Labe Benen (Bight of Benin), pakonsekan, nan peyi yo rele Benen jodiya.
Enben, annou verifye si Yaya islamize sa yo te ka deja nan relijyon sa kèk deseni anvan, kidonk nan tan koloni Sendomeng la.


a) Gòlf Benen an

Yonn nan kat Yaya islamize yo te soti nan Labe Benen (Bight of Benin), ki se yon potorik kote nan relijyon tradisyonèl la.


(Gòlf Benen an nan lane 1793)
Sous : "Dahomy and its environs by R. Norris.", 1793. In : Archibald Dalzel. The history of Dahomy, an inland Kingdom of Africa. New York Public Library Digital Collection ; URL : http://digitalgallery.nypl.org/nypldigital/id?1107222
 
Kolon nan Sendomeng yo te gen menm opinyon an :
"Dapre nèg arada yo, ki se sèl vre pratikan Vaudoux [Vodou] nan koloni an, epi ki kenbe prensip yo ak règleman li yo... (...) Li trè natirèl pou kwè ke Vaudoux a jwenn orijin li nan kilt koulèv la, ke moun ki soti nan peyi Juida [Ouidah], lage kò yo patikilyèman ladan l, yo di li soti nan wayòm Ardra a [[Arada oswa rada nan relijyon ayisyen an], nan menm Kòt esklav la..." (Trad.)  (21)
Anplis de sa, kaptif ak non Yaya sila, yo te anbake l nan lane 1847. Akoz ke islam te kòmanse simaye ta (apre 1830) nan Gòlf oswa Labe Benen an, chans la piti anpil, pou yon moun tankou li ta va nan lafwa mizilman, nan tan koloni Sendomeng la (kidonk, anvan 1791) : 
"Hence, the presence of Islamic factor in the Bight of Benin can be traced most especially to the late eighteenth century, and at the ports of Porto Novo and Lagos, not Ouidah. In the last years of the trans-Atlantic slave trade from the 1830s, the Muslim presence was more pronounced, both as victims of the trade and merchants of the trade." (22) 
Tradiksyon :
"Pakonsekan, prezans faktè islamik la nan Labe Benen an, nou ka trase l pi espesyalman nan fen dizwityèm syèk la, e nan pò Porto Novo ak Lagos yo, men pa nan Ouidah. Nan dènye ane komès esklav trans-Atlantik la, apati de lane 1830 yo, prezans mizilman an te plis pwononse, kit antanke viktim komès la, kit antake komèsan nan komès la."
Sepandan, menmsi chans la te piti vre, posiblite a te egziste kanmenm pou pò Porto Novo a (ak pò Lagos la, ke nou pral analize). Kidonk, lefètke yon kaptif (esklav) te rele Yaya nan Sendomeng, sa pa t garanti ke li te nan lafwa mizilman, jan Diouf te sipoze l la. Men, byenke te gen plis chans ke kaptif (esklav) sa te tradisyonalis, prèv yo pa pèmèt nou voye posibilite islamik la jete kareman.


b) Lagos, Onim

3 nan 4 lòt Yaya islamize yo te anbake nan Lagos, yon zòn kotyè nan Sid Nijerya ki te, nan epòk sila, peple sitou ak Yoruba (Yowouba) tradisyonalis.


(Zile Lagos yo ak vil Badagry, nan peyi yo rele Nijerya jodiya)
Sous :  https://www.google.com/maps/@6.541838,3.4281102,10z

Men, anplis de popilasyon yoruba tradisyonèl li a, vil Lagos te gen yon ti kantite esklav islamik, de etni Haoussa, ki soti nan Nò Nijerya. Li rezonab, nan tan koloni Sendomeng la, ke yo te vann kèk nan esklav Haoussa islamize sa yo. E nan yo, te kapab genyen ki te rele Yaya. Sepandan, pratik swadizan "islamik" Haoussa yo, li te melanje ak pratik tradisyonèl yo, ki se adorasyon Bori yo.


(Adorasyon Bori pèp lakay Haoussa nan Nijerya a)
Sous : Christoph Henning, Klaus E. Müller, Ute Ritz-Müller. Afrique-La magie dans l’âme : rites, charmes et sorcellerie. Könemann, 2000. p.284.

Tradisyonalis Haoussa sa yo,  ki onore Bori yo, kidonk, Lespri zansèt yo, yo te fòme majorite nan moun ke machann esklav yo te chèche met lapat sou yo. (23) Se sa k fè yo te jwenn anpil nan Haoussa sa yo nan Sendomeng. Rityèl tradisyonèl ayisyen an konsève nan pratik zantray Haoussa yo (menm jan tou pou Fulani oswa Foula a, vwazen yo), mo "chwal" la ki aplike pou patisipan yo ki antre nan posesyon yon Lespri. Lespri yo "monte" patisipan sa yo, pou ti tan :
"La danse se transforme en état de possession. La relation entre l'esprit et le médium est exprimée par l'image du "cheval" (le médium) et du "cavalier" (l'esprit). Les médiums masculins sont appelés doki ou étalon, les médiums féminins godiya ou jument." (24)
Tradiksyon :
"Dans la vin tounen yon posesyon. Relasyon an ki genyen ant lespri a ak moun ki posede a, yo eksprime l ak imaj "chwal" la (moun ki posede a) ak "kavalye" a (lespri a). Lè moun ki posede a se gason, yo rele yo doki oswa chwal mal, lè se fi ki posede, yo rele yo godiya oswa jiman."
Senkretis relijye Haoussa a (ki se melanj islam ak relijyon tradisyonèl la), li pa t mache nan san Ousmane Dan Fodio, ki se yon piris mizilman. Dan Fodio, nan dat 21 fevriye 1804, te deklannche yon gè relijyon, oswa yon djiyad, kont Haoussa nan Gobir yo (nan Nò Nijerya). Djiyad sa te solidifye pratik islamik la nan mitan zotobre Haoussa yo. Men malgre djiyad Dan Fodio a, ki te dire plizyè lane, ansanm ak pèsekisyon ki te swiv li, adorasyon Bori yo te kontinye pi rèd nan Hausaland. E patikilyèman nan zòn riral yo :
"An reyalite, nou pa fin konnen kijan te fèt pèp sila ki vin mizilman jodiya e ki bay tèt li yon orijin islamik men ki tabli pwofondman sou baz yon ansyen kilti animis.
(…)
Popilasyon islamize an, toujou fòtman enfliyanse pa kwayans tradisyonèl yo, epi plato sosyal li reflete degre plas islam pran. Zotobre yo, pretandan yo, administratè yo, atizan yo epi, an jeneral, sitwayen lavil yo kenbe plizoumwen yon obsèvans strik, e yo demake yo de kouch Riral yo, ki fòme ak moun lib ansanm ak ansyen esklav. Menm jan ak lakay Djerma yo nan vale Niger a, kilt ak posesyon yo ansanm ak majik, yo pratike yo nan anpil sikonstans. Kouch anwo nan sosyete a, yo te vin islamize anpil apre gè relijyon refòmatè foula Ousmane dan Fodio a, nan kòmansman diznevyèm syèk la." (Trad.) (25)
Popilarite tradisyon Bori a, ke yo kontinye obsève nan rejyon Hausa yo, li montre ke pèp sila te plis tradisyonalis ankò nan moman li t ap travèse vè Sendomeng, nan lane 1791, pou pita. Paske, le 21 fevriye 1804, nan kòmansman djiyad oswa gè relijyon Dan Fodio a, Ayiti te deja endepandan nan 1ye janvye menm ane sa. Epi mennen kaptif (esklav) te deja kaba depi plis pase 12 lane, nan teritwa a.
Anplis, menm lis la revele ke an 1827, yon fanm tradisyonalis yo rele Yaya te anbake nan Badagry. Badagry, vil sila ki toupre Lagos, te peple menm jan tou ak Yoruba. Se Yoruba (Yowouba) sa yo ki te mennen rit lagè Nago a nan tradisyonèl ayisyen an. E nan mitan rit Nago a, gen adorasyon Ogoun yo, pi patikilyèman adorasyon Ogoun Badagri.
Nou ka afime ke majorite nan kaptif (esklav) yo rele Yaya ki te navige nan direksyon Lamerik yo, yo te tradisyonalis. Paske, se te senpman apati de 1830 ke prezans islamik la te pran simaye reyèlman nan pò nan Sid Nijerya ak nan Gòlf oswa nan Labe Benen an. Sa parèt nan 3 nan 4 kaptif (esklav) islamize ki gen non Yaya yo, ki te anbake apre 1830, kidonk, nan lane 1834, 1835 ak 1847. Enben, ann analize lòt pò anbakasyon sou lis la, epi lyen ki konsève nan literati ak memwa ayisyen.


4.1- Non Yaya a nan relijyon tradisyonèl ayisyen an

Non 2 Yaya tradisyonalis jwenn parèy yo nan kilti ayisyen an, sètadi a) Yaya ki soti nan Zile Bissago ; epi an) Yaya ki soti Kongo.

a) Yaya ak gwoup etnik Bissago a
2 nan 11 kaptif (esklav) yo, ki te rele Yayah, te anbake nan menm batiman an, nan pò Gallinhas. Gallinhas se yonn nan zile Bissago yo, ki fè pati de peyi Gine Bisawo :

(Gallinhas ak tout lòt Zile Bissago yo, nan peyi yo rele Gine Bisawo jodiya)
Sous : "Map of the sectors of the Bolama Region, Guinea-Bissau". URL : https://en.wikipedia.org/wiki/Galinhas#/media/File:Map_of_the_sectors_of_the_Bolama_Region,_Guinea-Bissau.png

Gallinhas, ki yonn nan Zile Bissago yo, aktyèlman sitiye nan zòn seneganbyèn an, yon kote ki te gen kontak ansyen epi kontinyèl ak islam. Sepandan, moun ki rete nan Zile Bissago yo, tout moun konnen ke yo te rejte konvèsyon islamik la :
"Bissago ou Bijago (Iles). Archipel de la Guinée-Bissau comportant dix-huit iles (…) Les habitants, Bidjogo, opposèrent aussi bien une forte résistance aux Portugais qui découvrirent l'archipel en 1456 et qui s'établirent dans les comptoirs côtiers du continent. Ils refusèrent aussi bien le christianisme que l'islam ; aujourd'hui, 95% des 10000 habitants sont animistes. La société est structurée en clans matrilinéaires, avec une prêtresse pour l'entretien du feu sacré et la divination..." (26)
Tradiksyon :
"Bissago oswa Bijago (Zile). Achipèl ki pou Gine-Bisawo ki genyen dizwit zile (...) rezidan yo, Bidjogo, te bay yon rezistans fò tou kont Pòtigè yo ki te dekouvri achipèl la an 1456 epi ki te tabli tèt yo nan kontwa kotyè kontinan an. Yo te refize krisyanis ansanm ak islam ; jodiya, 95% nan 10,000 rezidan yo animis, Sosyete a òganize pa branch fanmi matrilineyèr [kidonk bò manman], ak yon pretès pou mentni dife sakre a ak divinasyon an."
An Ayiti, depi an 1837, yo te ekri sou yon dans "afriken" yo rele "Yaya Bisango" :


"M ap site pa egzanp son ki pi estime yo, ki soti nan dans diferan sa yo: Sor Zabett Congo, Yaya Bisango, Amelinn, Mayemba, Imbimm oh! men konesè kreyòl la jis bezwen tande yonn non son sa yo frape, kit li te jwe pou premye fwa, pou li remake imedyatman nan ki dans li fè pati." (Trad.) (27)
Egzistans dans sila yo rele "Yaya Bisango", li kache lefètke se yon ti zing kantite Bissago ke yo te mennen nan koloni Sendomeng la :
"Presque en face des Mandingues, et en tirant au Midi, sont les îles des Bissagots, dont la traite appartient aux Portugais. Il en vient fort rarement..." (28)
Tradiksyon :
"Prèske anfas Mandeng yo, nan direksyon Sid, gen zile Bissagots yo, kote Pòtigè yo posede trafik esklav la. Trè raman yo mennen nan yo isit la…"
Men, poutan, pèp Bissago a popilè anpil an Ayiti. E sa, se pa akoz de okenn lafwa nan islam, men pito, popilarite yo baze sou pratik tradisyonalis ak majik yo ki te bay laperèz. Pèp Bissago a òganize epi simaye tradisyon l yo nan sosyete sekrè Bizango ke yo te kreye zile a. E byenke yo tradisyonalis, sosyete sekrè Bizango yo pa fè pati relijyon tradisyonèl ayisyen òdinè a oswa nòmal la. Paske pratik Bizango yo, ki bay kraponnay anpil, li mache ak kòd moral ki nan relijyon tradisyonèl regilye a oswa fran an. Reyalite sa soti nan konpòtman ki pa rekòmandab de gwoup etnik Bisagot a depi nan peyi natif natal li a :


"Bissagots yo wo, yo gen fòs epi yo gaya ; sepandan yo sèlman manje kristase, pwason, lwil ak nwa palmis, ke yo rele chavaux [chavo]. Yo vann Ewopeyen yo, pitimi, diri ak yo legim yo ranmase. Yo gen yon lanmou ekstrèm pou alkòl ; yo bwè sa anpil, epi pwodui sa, yo vann yo li trè chè.
Lanmou alkòl si tèlman fò nan yo, ke li rann yo anraje ak dezevwe. Dèk yon batiman parèt e ke li pran vann pwodui sila, se nonm an ki gen plis kantite bagay la ke y ap sèvi pi vit. Pi fèb la vin tounen sib pi fò a. Papa a vann pitit li yo, epi si pitit la ka kenbe papa l ak manman l, li mennen yo bay Ewopeyen yo, li vann ak troke yo pou alkòl ; li fè debòch answit, e li rejwi toutotan dire pri [yo te bay] pou otè lavi li yo.
Tout pèp sa yo idolat epi natirèlman mechan ; yo koupe tèt moun yo touye yo, yo pwomennen ak kò yo nan lari, yo kòche yo, yo seche po a ak tout cheve a, epi yo dekore devan kay yo ak yo, tankou yon mak de kouraj ak viktwa yo." (Trad.) (29)
Konsa, si rebèl ki te rele Yaya a te soti nan achipèl (kidonk gwoup zile) Bissagots yo, zak sasinè ke yo te repwoche l nan Sendomeng yo te ka mache ak : 1) mannyè tchak bissagot yo te konn trete lènmi yo ; 2)  mannyè sosyete sekrè Bizango ayisyen yo te gen repitasyon aji (kit se vre, kit se pa vre). Men, de tout fason, jiskaprezan, pa gen okenn eleman istorik ki pèmèt nou presize etnisite Gillot ki gen tinon Yaya.

an) Yaya ak tradisyon Kongo a
Dans espirityèl/fòlklorik ki gen non "Yaya Ti Kongo" a montre ke gen yon lyen ant non Yaya a ak kilti Kongo a. Menm jan an tou, pou Divinite yo k ap fonksyone nan plizyè rit ki soti nan rejyon Kongo a. Nou ka site, pa egzanp, Lwa oswa Jany sa yo : Yaya, Manbo Yaya, Yaya Poungwe, Simbi Yaya, Lawouye Simbi Yaya, Ti Yaya Toto, elatriye.
Chante sakre sila, ki nan relijyon tradisyonèl la, mansyone Yaya :


Mwen salonge,
Yaya, n ap salonge
apre Bondye nan syèl

Sepandan, byenke li ka yon tinon, Yaya sila pa reyèlman bon non yon moun. Li soti nan lang Kikongo a, kote Yaya vle di grann (oswa nan lang Lingala, kote li vle di gran frè oswa gran sè) :
"Yaya : 1) grand mère (f) ; 2) titre respectueux d'un oncle maternel, d'un aîné..." (30)
Tradiksyon :
"Yaya: 1) grann (f) ; 2) tit rèspè ke yo bay tonton bò manman, ak granmoun..."
E nan Kreyòl ayisyen an, Yaya te refere tou a yon grann oswa yon matant :
"Yaya 1. n. prop. tante Yaya." (31)
Tradiksyon :
"Yaya 1. non moun. tant Yaya."
Konsa, se pa san konsekans ke roman istorik kout sila, ki date de 1836, te prezante yon grann yo rele Yaya, kòm pèsonaj :
"Il ne restait plus de doute sur l'espèce de la maladie ; aussi n'était-il point de malédictions que la vieille Yaya ne proférât contre la secte infernale, dite cochon-sanspoil." (32)   
Tradiksyon :
"Pa t rete okenn dout ankò sou nati maladi a ; konsa tou pa te gen okenn madichon ke grann Yaya pa t lage nan dèyè sèk dyabolik la, sila yo rele cochon-sanspoil [kòchon sanprèl] la."
Sèlman 32 lane apre endepandans Ayiti, epi Yaya te deja non yon pèsonaj nan yon roman. Men pèsonaj sa a pa t mache ak pòtrè islamik la ke revizyonis Diouf la te plake sou non Yaya a. Okontrè, nan roman sila, nou te antyèman ap naje nan yon linivè tradisyonalis ak senkretik ayisyen. A non Yaya a, otè roman an, Ignace Nau, te asosye yon foul sitiyasyon ak mo ki toujou relye (ak rezon ou pa) ak relijyon tradisyonèl ak senkretik ayisyen an (kidonk ki melanje relijyon tradisyonèl la ak katolik)
  • Bondieu (Non Kreyatè a, pa Allah)
  • Nonm ak macoute yo (ki se vaudoux)
  • Papa loi (Non gran ofisyan tradisyonalis yo)
  • Mangé-marassa (Ofrann pou Divinite Jimo yo)
  • Konseye Caplata (majisyen)
  • Chante tradisyonèl istorik : "Cangay bafio té", "Hé! hé boumba houm!"
  • Kolye Maldioc (pou pwoteksyon majik)
  • Loup-garo
  • Swadizan sèk cochon-sanspoil la
  • Dlo benit, lansan ak fèy palmis beni nan jouramo
  • Chaplè ak pelirinaj nan lotèl nan Higuey yo
  • Elatriye.
Paske, Yaya, grann an, pou li te pwoteje pitit fi li ansanm ak pitit pitit li yo de maladi, move lespri ak lougawou, li pa t itilize referans koranik oswa islamik. Li te sèvi, okontrè, ak dlo benit, lansan, chaplè, fèy palmis, ak lòt engredyan senkretik (katolik mele ak tradisyonèl). (33) Kidonk, an Ayiti, non Yaya a te lwen de yon eritaj islamik. Olye de sa, li te vle di yon granmoun aje. E sa, se yon eritaj tradisyonalis Kongo.

 

5- Nasyon Yaya nan koloni Sendomeng la

Nan Sendomeng, sa rive anpil fwa ke etnisite yon kaptif (esklav) vin tounen non li oswa tinon li. Se konsa, tinon Yaya, ke yo te bay rebèl Gillot a, te ka aji tankou referans etnik li. Men, nan Sendomeng, te gen tou yon gwoup etnik oswa yon Nanchon ki te rele Yaya :


"Nan Fòdofen, le 1ye nan mwa sa a, yon Nèg nouvo, nanchon Yaya, li tanpe BDF sou tete dwat li,  yo l arete nan Montòganize, li pa te kapab di non l ni kina mèt li." (Trad.) (34)
Pwiske nou pa t ka jwenn non Yaya a lakay pèp "Lafrik" de Lwès yo, pi pre nou rive jwenn, se pèp Munyo Yaya a nan peyi Kenya. Pèp Munyo Yaya a soti sitou nan distri Tana River, men, anvan sa, li te soti peyi Etyopi. E yo te tradisyonalis depi tan te tan. Èske yo te pèp ke yo te rele Yaya nan Sendomeng la? Nou pa ka asire sa. Sepandan, Munyo Yaya yo, depi lontan, te kaptif (esklav) pèp yo rele Galla a. Ki fè, li posib anpil ke yo te ka vann yo nan komès esklavaj nan "Afrik" de Lès la. Answit de sa, yo te ka mete yo nan batiman ki t ap fè rout pou Sendomeng. Paske, te gen echanj ant rejyon Korokoro a ak machann esklav Arab ak Swahili yo, ki te aji antanke entèmedyè. (35)  
Anplis de sa, peyi Kenya gen yon gwoup etnik yo rele Kamba oswa Akamba. E gwoup etnik sa te nan Sendomeng*** :


 
"Augustin, Nanchon Camba, laj li 18 an, wotè li 5 pye 2 pous, li tanpe VAIDIÉ, yo te pote l tounen soti nan Panyòl." (Trad.) (36) 
Nan menm anons la, yo te pale de arestasyon yon lòt kaptif (esklav) ki fè pati de gwoup ethnik Macamba (Makanba) :

 
"Sucemond, Nanchon Macamba, li tanpe GDR, laj li 24 an, li pa ka di non mèt li, yo te pote l tounen soti nan Panyòl." (Trad.) (37)  
Menm jan an tou, nanchon yo te rele Oluou (Olouwou) a nan Sendomeng, li te soti Kenya. Li se pèp Luo a ki pale lang Dholuo a. 
 

5.1- Prezans kaptif (esklav) ki soti nan "Lafrik" de Lès

Men, genyen ki kapab di ke "Lafrik" de Lès, kote Kenya sitiye a, pa t voye anpil kaptif (esklav) bay koloni Sendomeng la tankou "Lafrik" de Lwès ak Santral. Yo pap gen tò, si yo ta di sa. Men, kantite kaptif (esklav) ki te soti nan "Lafrik" de Lès pou ale nan Sendomeng, kantite sa, yo souzèstime l anpil. Achiv yo bay prèv de sa.

a) Mozanbik
Jounal nan Sendomeng yo te chaje ak anons pou kaptif (esklav) ki soti nan Mozanbik. Jeneralman, yo te rele yo angwo "Mozanbik" :


"Nan Pòtoprens, le 2 nan mwa sila, Zabel, Mozanbik, li tanpe J GARNIER, anba a, AU CAP, li gen mak peyi l sou figi li, li ka pa di non mèt li ; (...) le 3, Jason, Mozanbik, li san etanp, li gen mak peyi l nan figi li, li di li se pwopriyete Mesye Meynardie, Picard ak Companie ; Pantin, Adrien, Laurent ak Maurice, Mozanbik, yo tanpe LOMO, yo di yo se pwopriyete Mesye Lomo, nan Senmak." (Trad.) (38)
Byensi, nou temwen yon sireprezantasyon kaptif (esklav) ki soti Mozanbik yo. Paske, nan pwopòsyon kantike yo te ye, "Mozanbik" yo te de lwen pi gwo patizan kouri sove (oswa mawonaj) nan zile a. Men, nou jwenn tou, nan Sendomeng, nanchon Maquoua a oswa Macoua (Makwa) ki te prezante sou bon non etnik li :


"Le 18, yon nègès nouvo, Macoua, li tanpe I.B.B sou tete dwat li, laj li 16 an, wotè li 4 pye 10 pous, po bouch anwo li pèse, li pa ka di non li ni kina mèt li." (Trad.) (39)
Nou remake tou yon kantite enpresyonan de mawon ki te manb nanchon yo rele Kiamba a, Quiamba oswa Quiembo nan Sendomeng. Yo te moun yo te kaptire nan Zile Quirimbas yo nan peyi Mozanbik. Menm jan an tou ak nanchon yo te rele Hibou a (oswa pafwa Ybo, oswa menm Ibo)**** te soti nan Zile Ibo toupre a, ki te konn sèvi kòm pòs pou komès esklav la. Konsa tou, kaptif (esklav) yo ke yo te pran nan Distri Manica nan Mozanbik, yo te fòme nanchon Maniga oswa Maninga a nan Sendomeng. (40)  

an) Tanzani
Nan koloni Sendomeng la, yo pafwa te konn rankontre gwoup etnik Macondé (Makonde) a, ki te soti sitou nan peyi Tanzani, epi nan yon pi piti kantite, nan Mozanbik ak Kenya :


"Jean-Pierre, Macondé, li tanpe, jan nou rive li l, DESHO & REGHIER, li pa ka di non mèt li." (Trad.) (41)
Kolon nan Sendomeng yo te plase yon dal gwoup etnik anba etikèt "Mozanbik" la. Nan kaptif (esklav) "Mozanbik" sa yo, gen ladan l ke istoryen kolon Moreau de Saint Mery te idantifye tankou Quiloi ak Montfiat. (42) Nou konnen kounya ke nanchon Quiloi a te soti nan Zile Kilwa nan peyi Tanzani. Monfiat tou te non yon zile nan Tanzani. Men, non Monfiat a te sibi transfòmasyon ak le tan. Li te vin rele Mon fee, epi sejousi, yo rele l Mafia. (43)
 

b) Mayòt  
"Lafrik" de Lès, ki chita nan Oseyan Endyen an, zile fè mikalaw, nan tout longè Kanal Mozanbik la. Sendomeng, saf la, te manje nan zonn sa tou ; espesyalman nan Mayotte (Mayòt), ke yo rele Mayoute (Mayout) tou :


"Le 10, Lafortune, Mayoute, li tanpe sou li sou tete dwa ..., li gen 29 an, wotè li 5 pye, li gen [Ma]k peyi li sou de machwè li, epi li te resevwa yon kout fizi, li di ke li se pwopriyete Madanm vèv Gentille, k ap [viv] nan Titwou." (Trad.) (44)
Nou dwe remake ke mo Mayoute la kontinye itilize nan relijyon tradisyonèl ayisyen an, espesyalman nan chante sakre yo. Mo Mayotte la, antanke tèl, nou jwenn li nan Lamayòt, ki se non yon madigra maske ki jwe yon wòl esansyèl nan chofe kanaval ayisyen yo. (45)
 
ch) Madagaska
E anpil nan kaptif (esklav) sa yo te soti nan Madagaska, gwo zile a ki benyen nan Oseyan Endyen an, nan "Lafrik" de Lès. Nan Sendomeng, yo te klase yo swa anba banyè "Madagascar" a, oswa kòm manm nanchon Malgache, Malgasse, oswa Malagasse :


"Zéphir, koulè li trè klè, yo ka pran li pa erè pou yon milat, li pa tanpe, soti nan nanchon Malgache, wotè li 5 pye 1 pous ou apreprè, li gen je enkyè, cheve li epè, zepòl li wo anpil, li gen aksan Endyen, epi li gen mak anpil, li kina Mesye Cornu, li mawon de Okap le 17 nan mwa sa : voye nouvèl bay Mesye Gerard, grefye nan Fòdofen, ke li se pwopriyete l. Ap gen yon rekonpans de yon Pòtigè." (Trad.) (46)
Kaptif (esklav) sa yo ki te soti nan Madagaska, yo te tout kalite etni, menm jan sa ye jodiya. Te gen Nwa, Milat, ak Endou (oswa Endyen). Se Endou sa yo ke yo te rele Endyen nan anons yo, ki te mennen kèk chèchè panse ke yo te Amerendyen.

d) Etyopi
Gen yon kaptif (esklav) afranchi (kidonk libere), ke nou pa ka neglije mansyone. Li te gen renome, epi li te soti nan peyi Letyopi. Se Marthe Adélaïde Modeste Testas, ki gen tinon Modeste Testas (Modèst Testas) oswa Pélagie (Pelaji). Li te fèt nan lane 1765, nan Adele (Adele Keke, nan rejyon Arari a ki sitiye sou fwontyè Letyopi ak Somali). Li te grann bò manman François-Denys Légitime (Franswa-Deni Lejitim), ansyen prezidan pwovizwa Ayiti (18 desanm 1888 - 22 out 1889. 

(Estati nan Bòdo pou Modeste Testas, kaptif (esklav) afranchi nan Sendomeng la, ki te soti Letyopi)
Sous : http://www.raphaeladjobi.com/archives/2019/06/05/37405338.html

Modeste Testas te fèt ak non Oriol-Poci oswa Alpouci. Lè l te adolesan, li te kidnape pa yon manb yon lòt gwoup etnik ki t ap tire revanj sou papa l, pandan msye t al nan pelerinaj. Apre a te vann li nan esklavaj, Modeste Testas te pase pa Bòdo an Frans. Apre sa, li te ateri nan Pòtoprens, kote François Testas te achte l pou fè l tounen boubout li. Answit, François Testas te menmen manmzèl viv Jeremi, nan Sidès Sendomeng.

(François-Denys Légitime, 16zyèm prezidan Ayiti, pitit pitit Modeste Testas)
Sous : François-Deny Légitime. Histoire du gouvernement du général Légitime, Président de la République d'Haïti. Paris, 1890.

Apre lanmò François Testas nan mwa Jiyè 1795, Modeste Testas oswa Pélagie te vin afranchi, kidonk, mèt li te ba li libète li. Answit, manmzèl te plase ak Joseph Lespérance (Josèf Lesperans), ki limenm tou, menm mèt la te libere. Modeste Testas ak Joseph Lespérance te gen plizyè timoun ansanm, yonn nan yo te Antoinette "Tinette" Lespérance (Antwànèt "Tinèt" Lesperans), ki se manman prezidan Légitime. (47)

(Antoinette "Tinette" Lespérance, manman prezidan Légitime, epi pitit fi Modeste Testas)
Sous : Andre F. Chevallier. "Président Légitime" In : Aya Bombé! Revue mensuelle. No.8. Port-au-Prince, Mai 1947. p.8.

5.2- Prezans kaptif (esklav) ki soti nan Sid "Lafrik"

Ann pouse pi lwen agiman nou an ki di ke yo te souzèstime prezans nan Sendomeng, de kaptif (esklav) yo ki pa t soti nan Lwès oswa nan Sant kontinan "afriken" an. Lè nou lonje lès "Lafrik", nou ateri "Lafrik" Ostral, kidonk nan Sid kontinan an. Pwochen peyi nou jwenn se Zimbabwe. Peyi sa te baz yon Anpir ki te kouvri longè Sid kontinan an, soti nan yon oseyan, rive nan yon lòt. Se te Anpir Mutapa (Moutapa), ke yo rele tou Great Zimbabwe oswa Monomotapa :
(Anpir Monomotapa)
Sous : Willem Janszoon Blaeu, 1635. "'Aethiopia inferior, vel exterior'; copperplate map from 'Theatrum orbis terrarum sive atlas novus' Published in Amsterdam." ; URL : http://libweb5.princeton.edu/visual_materials/maps/websites/africa/maps-southern/1635%20blaeu.jpg

Anpir sa te popilè akoz de bèl konstriksyon won, an brik li yo :
Sous :  Jan Derk, 1997. "Inside of the Great Enclosure which is part of the Great Zimbabwe ruins" ; URL : https://en.wikipedia.org/wiki/Shona_people#/media/File:Great-Zimbabwe-2.jpg
(Rwin yon sit nan Monomotapa)
Sous : "Zimbabwe Closeup", 2008. ; URL : https://fr.wikipedia.org/wiki/Empire_du_Monomotapa#/media/File:Great_Zimbabwe_Closeup.jpg

Kolon istoryen Moreau de Saint Méry te idantifye kaptif (esklav) nan Sendomeng ke li te klase kòm "Monomotapa". (48) Men, nan anons mawonaj yo, an referans a Wayòm Mutapa a, yo te klasifye yo kòm manm nanchon Matapa, Atapa oswa Tapa :
"Le 20, Jasmine, nanchon Matapa, li san etanp, li gen 30 a 36 lane, wotè li 5 pye 2 pous, li pretann li pwopriyete Mesye Bernard." (Trad.) (49)
Nan koloni a, kaptif (esklav) yo ki te soti nan Wayòm sila, yo te rele yo tou dapre yon kote nan Wayòm Mutapa a ki se Danangombe. Nan anons yo, te gen plizyè varyasyon an Danangombe : Dagouamba, Daguamba, Dangouama, Dangoname, Dangoua, Dagouan, Danguan, Danguam, Dangonem, Bangouam, Dagouam, Dangoma, Dangouan, elatriye :


"Le 24, Charles, Dagouamba, li tanpe CHASTULE nan fòm fè cheval, li refize di non mèt li." (Trad.) (50) 
Nan kaptif (esklav) Sendomeng yo, te genyen nan nanchon Limba oswa Linba ki te soti nan peyi Zimbabwe, Lafrikdisid ak Malawi. Sepandan, li difisil pou nou fè distenksyon ant yo ak sila yo ki te manm gwoup etnik Limba ki soti nan Kamewoun an. E finalman, Nasyon sakre Zoulou a oswa Nanchon Zoulou, soti nan peyi Lafrikdisid. E Nanchon sila gen plas li nan relijyon tradisyonèl ayisyen an. Sa se yon prèv deplis de prezans kaptif (esklav) natif natal "Lafrik" Ostral, kidonk Sid kontinan "afriken" an nan Sendomeng.

Konsa, gwoup etnik Yaya a te kapab refere a tradisyonalis Munyo Yaya yo ki soti Kenya, tankou li te kapab gen rapò ak yon lòt pèp ke nou pa idantifye nan moman sa a. Pèp Yaya a ki nan lis nan Sendomeng la, li ta kapab tou pa gen okenn koneksyon ak tinon yo te bay Gillot, chèf rebèl nan Troudinò a. Men, de tout fason, endis yo jeneralman pwente sou yon lyen non mizilman de non Yaya a, nan koloni Sendomeng la.


* Canga, yon non ki soti nan Kongo, nou pa dwe konfonn li ak nanchon Canga a ki te etnisite anpil fijitif oswa mawon nan Sendomeng :


"Yon Nèg yo rele Pierre-Louis, nanchon Canga, li tanpe OF BOYNES sou toulede tete, laj li apeprè 25 a 27 lane, wotè li apeprè 5 pye, li byen bati, ak yon figi won, bouch li gwo, vwa l grav, li kokobe nan pous men dwat, li mawon depi 18 oktòb dènye. Nèg an kestyon an, li se pwopriyete bitasyon Boynes an, yo rele Béon, nan laplèn Kildesak la.." (Trad.) (51) 
Nanchon "Canga" sila, ki soti nan Côte sous le Vent (Kòtsoulevan, ki nan peyi Kotdivwa jodiya), li pa yon gwoup etnik toutbonvre. Li aktyèlman non vilaj Kanga Nianzè a, ki chita nan nò Abidjan, kapital Kotdivwa. Se te yon plas kote yo te konn mennen kaptif ki te soti nan tout kwen nan Kotdivwa. Rezon ki fè yo te pake tout kaptif sa yo nan bouk sa a, nou jwenn li nan mo "Kanga" a. Paske, nan lang Baoulé, "Kanga" vle di "esklav", epi "Gnianzé" vle di "dlo". Se te nan Kanga Gnianzé ke yo te konn bay kaptif (esklav) yo yon "Beny pirifikatè ki bay Labliyad".


(Beny pirifikatè ki bay Labliyad, nan Kanga Nianzè)
Sous : ©AFP/ISSOUF SANOGO. URL : http://www.rfi.fr/emission/20170730-cote-ivoire-route-esclave-kanga-nianze-bain-purification

Kidonk, nan Kanga Nianzè, anvan yo te monte pa fòs kaptif oswa "Kanga" yo nan bato esklav yo, yo te mennen nan larivyè Bodo a, kote yon ofisyan espirityèl te bay yo yon beny pou fè yo bliye idantite yo. (52) Sa fè nou sonje "Pyebwa Labliyad la" nan Ouidah, nan ansyen Wayòm esklavajis Dawomen an (ki rele Benen jodiya) :


 (Ansyen anplasman Pyebwa Labliyad la, nan Ouidah)
Sous :  Barada-nikto. "Arbre de l'oubli à Ouidah, Bénin : Surmontée d'une représentation de Mami Wata." URL : https://fr.wikipedia.org/wiki/Fichier:Arbre_de_l_oubli_ouidah_benin.jpg

Yo te fòse kaptif (esklav) yo fè plizyè wonn Pwebwa sila, pou yo te ka bliye idantite yo, anvan yon te monte nan bato esklav la :


"OUIDAH 92
L'ARBRE DE L'OUBLI
En ce lieu se trouvait l'arbre de l'oubli.
Les esclaves mâles devaient
tourner autour de lui neuf fois,
les femmes sept fois.
Ces tours étant accomplis les esclaves
étaient censés devenir amnésiques.
Ils oubliaient complètement leur passé
leurs origines et leur identité culturelle
pour devenir des êtres sans aucune volonté
de réagir ou de se rebeller."

Tradiksyon :
"OUIDAH 92
PYEBWA LABLIYAD LA
Nan kote sa a pyebwa ki bay Labliyad la te ye. 
Esklav gason yo te dwe
fè viwonn li nèf fwa,
fi yo sèt fwa.
Lè viwonn sa yo fin fèt, esklav yo
te sipoze vin bliyadò.
Yo bliye pase yo konplètman
orijin yo ak idantite kiltirèl yo
pou yo vin moun san okenn volonte
pou reyaji oswa pou revòlte."

Sous :  Ji-Elle. "Ouidah (Bénin) : Arbre de l'Oubli." URL : https://upload.wikimedia.org/wikipedia/commons/8/8f/Ouidah-Arbre_de_l%27Oubli_%282%29.jpg

Epi apresa, yo te mennen kaptif (esklav) yo nan Pyebwa pou Retounen an :


(Pyebwa pou Retounen an, Benen)
Sous : Ji-Elle. "Ouidah (Bénin) : l'Arbre du Retour". URL : https://commons.wikimedia.org/wiki/Category:Arbre_du_Retour,_Ouidah#/media/File:Ouidah-Arbre_du_Retour_(1).jpg

Pyebwa pou Retounen sa a, yo te fè wonn li 3 fwa, pou lè yo mouri, nanm yo kapab retounen nan peyi natif natal yo :



"OUIDAH 92
L'ARBRE DU RETOUR
En Sortant de Zomaï
Les esclaves devaient faire
trois fois le tour de cet arbre.
Cette cérémonie signifiait que le souffle
des esclaves reviendrait ici
après leur mort.
Le retour dont il est question ici
n'est donc pas physique mais mystique."

Tradiksyon :
"OUIDAH 92
PYEBWA POU RETOUNEN AN
Leaving Zomaï
Slaves had to make
three turns around this tree.
This ceremony meant that the slaves'
breath would return here
after their death.
The return we are talking about here
is not physical but mystical."

Sous : Ji-Elle. "Ouidah (Bénin) : l'Arbre du Retour (3)". URL : https://commons.wikimedia.org/wiki/Category:Arbre_du_Retour,_Ouidah#/media/File:Ouidah-Arbre_du_Retour_(3).jpg

Prensip jenosidè a te menm jan an, kit se te nwaye memwa kaptif (esklav) la espirityèlman nan larivyè Bodo a, nan vilaj Kanga Nianzè, nan peyi Kotdivwa ; kit se te toudi kaptif espirityèlman atravè viwonn yo alantou pyebwa Labliyad la, nan Ouidah, nan peyi Benen. Li evidan, toulede sa yo pa t mache siy kaptif (esklav) yo te depòte nan Sendomeng (Ayiti jodiya). Paske Ayisyen an, ansyen "Kanga" a, byenke li te pran Beny Labliyad la nan Nianzè Kanga, li toujou sonje Cap Lahou, ki se pò anbakeman li nan peyi Kotdivwa. Li kontinye adore l nan Kaplawou, yon Divinite ak Nanchon sakre. Menm jan an tou, nan Divinite Èzili Freda Dawomen, Ayisyen an toujou sonje epi venere lavil Ouidah ansanm ak gwoup etnik Foëda a ki konekte ak tè natif natal li sa, malgre ke yo te fè viwonn Pyebwa Labliyad la. Sepandan, tradisyonalis Ayisyen yo dakò ke nan lanmò yo, yo pral retounen Nan Ginen, kidonk nan peyi orijin yo, jan zansèt yo te sele l atravè viwonn Pyebwa pou Retounen an. 
** http://african-origins.org/african-data/detail/5324 ; http://african-origins.org/african-data/detail/29366 ; http://african-origins.org/african-data/detail/35100 ; http://african-origins.org/african-data/detail/180656
*** Anplis de Nasyon Kamba a oswa Akamba, ki soti nan Lès "Afrik", e ke yo te rele Camba oswa Macamba nan Sendomeng, te gen tou Nanchon Chamba a ke yo te idantifye Chambar, Chambat, oswa Samba nan koloni an :

"Le 8 mwa sila, Samedi ki soti nan nanchon Chamba, li tanpe DL RIVERE, epi anba AU Fort D., li pretann ke li pwopriyete eritye Mesye D. Rivière, ki machann nan Fòdofen." (Trad.) (53)
Dezyèm Nanchon Chamba (Chanmba) sila, li te soti sepandan nan "Lafrik" de Lwès (Santès peyi Nijerya) ak nan "Lafrik" Santral (Nòdès peyi Kamewoun). Chamba yo, ki jounen jodiya yo rele pafwa Camba, yo te tradisyonalis nan tan koloni Sendomeng la. Yo pa t sispann reziste islam jouk 20yèm syèk kretyen an. (54) Anplis, nan Chambaland oswa nan tè Chamba yo, tradisyonalis yo rele moun ki klèrvwayan yo "ne tug an". Sa vle di, "moun ki gen je" yo", (55) yon konsèp ki kontinye ekziste nan relijyon tradisyonèl ayisyen an.
**** Nou pa dwe konfonn li ak nanchon Ibo a, ki pi plis anpil nan Sendomeng. E kite soti nan peyi yo rele Nijerya jodiya.



Referans
(1) Moreau de Saint Méry. Description topographique, physique, civile, politique..., Tome 1. Philadelphie, 1797. p. 176.
(2) Sylviane Diouf. Servants of Allah: African Muslims Enslaved in the Americas. New York, 1998. p.150.  
(3) Colonel Malenfant. Des colonies et particulièrement de celle de Saint-Domingue mémoire historique et politique. Paris, 1814. p. 215. 
(4-5) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Description topographique, physique, civile, politique..., Tome 1. Philadelphie, 1797. pp.154, 175-176. 
(6-7) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Loix et constitutions des colonies françaises de l'Amérique Sous le Vent. Tome 3. Paris, 1795. pp.399, 402-403. 
(8) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Description topographique..., Tome 1. Op. Cit. p.176. 
(9) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Loix et constitutions... Tome 5. Paris, 1795. p.800. 
(10) Les Affiches Américaines du Mardi 12 janvier 1779. Parution no.2. p.0.
(11) Moreau de Saint Méry. Loix et constitutions... Tome 3. Op. Cit. pp.167-169.
(12) Les Affiches Américaines du Mardi 27 novembre 1781. Parution no.48. p.465.
(13) Les Affiches Américaines du Mercredi 25 janvier 1786. Parution no.4. p.40.
(14) Les Affiches Américaines du Mercredi 24 mai 1786. Parution no.21. p.270.
(15) Hervé du Halgouet. Inventaire d'une habitation à Saint-Domingue. Paris, 1933. p.249.
(16) Affiches américaines du vendredi 19 juillet 1793. Parution no.9. pp.39-40, 43-44.
(17) P. Roux. Almanach royal d'Hayti. Cap-Henry, 1816. p.91.
(18) Feuille du commerce, petites affiches et annonces du Port-au-Prince No.14, du 6 avril 1851, p.3.
(19) Claude Planson. Le vaudou. Paris, 1974. pp.257-258.
(20) Prophète Joseph. Diksyonè sinonim lang Ayisyen. Monreyal, 2002. p.401.
(21) M.L.E. Moreau de St. Méry. Description topographique..., Tome 1. Op. Cit. pp.46, 50.
(22) Lovejoy Paul E. "Islam, slavery, and political transformation in West Africa : constraints on the trans-Atlantic slave trade". In: Outre-mers, tome 89, n°336-337, 2e semestre 2002. traites et esclavages : vieux problèmes, nouvelles perspectives ? pp. 247- 282.
(23) Michael Garfield Smith. Government in Zazzau: 1800-1950. London, 1960. p.6.
(24) Christoph Henning, Klaus E. Müller, Ute Ritz-Müller. Afrique-La magie dans l’âme : rites, charmes et sorcellerie. Könemann, 2000. p.284.
(25-26) Benard Nantet. Dictionnaire d'histoire et civilisations africaines. Paris, 1999. pp.134, 43.
(27) Beauvais Lespinasse. "Danses et chants nationaux d'Haïti. III : Carabinier" In : Le Républicain : Recueil scientifique et littéraire du 1er janvier 1837. No.10. pp.5-8.
(28) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Description topographique... Tome 1. Op. Cit. p.28.
(29) Jean-Baptiste-Léonard Durand. Voyage au Sénégal ou Mémoires historiques. Paris, 1802. pp.99-100.
(30) Dictionnaire (Lexique) Kikongo-Français. [anliy] URL : https://www.abibitumikasa.com/forums/showthread.php/48048-Dictionnaire-%28Lexique%29-Kikongo-Fran%C3%A7ais?s=62feb6a36f48a420e6669a1af4115647
(31) Prophète Joseph. Dictionnaire Haïtien-Français. Op. Cit. p.115.
(32-33) Ignace Nau. "Un Épisode de la Révolution" In : Le Républicain, Recueil Scientifique et Littéraire. No.9, 15 janvier 1836. pp.2-7.
(34) Les Affiches Américaines du Mercredi 9 août 1786. Parution no.32. p.409.
(35) "The Rev. R. M. Ormerod's journey on the Tana River". In : The Geographical Journal, volume, No.3. September 1896. pp-283-293. (p.286.)
(36-37) Les Affiches Américaines du mardi 13 avril 1779. Parution no.15. p.0.
(38) Les Affiches Américaines du jeudi 11 février 1790. Parution no.12. p.76.
(39) Les Affiches Américains du mercredi 26 août 1789. Parution no.69. p.463.
(40) Les Affiches Américaines du mercredi 21 juin 1769. Parution no.25. p.194.
(41) Les Affiches Américaines du jeudi 19 juillet 1787, Parution no.57. p.363.
(42) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Description topographique..., Tome 1. Op. Cit. p. 34.
(43) James G. Leyburn. "The making of a Black nation". In : Studies in the science of society. 1937. pp.377-394. (p.386)
(44) Les Affiches Américaines du jeudi 22 avril 1790. Parution no.32. p.219.
(45) Voegeli Juste-Constan. "La Musique dans le carnaval haïtien : Aspects urbains et ruraux." (Thèse) Montréal, 1994. pp.126-128.
(46) Les Affiches Américaines du samedi 27 décembre 1788. Parution no.52. p.1048.
(47) Andre F. Chevallier. "Président Légitime" In : Aya Bombé! Revue mensuel. No.8. Port-au-Prince, Mai 1947. pp.8-9.
(48) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Description topographique..., Tome 1. Op. Cit. p.34.
(49) Les Affiches Américaines du mercredi 26 juin 1776. Parution no.26. p.302.
(50) Les Affiches Américaines du samedi 29 juillet 1786. Parution no.30. p.389.
(51) Les Affiches Américaines du mardi 29 décembre 1778. Parution no.51. p.0.
(52) Gade "Côte d'Ivoire: émotion et souvenir autour de l'esclavage". URL : https://www.lexpress.fr/actualites/1/styles/cote-d-ivoire-emotion-et-souvenir-autour-de-l-esclavage_1925314.html ; Retrieved December 20, 2018. ; Koute : Élikia M'Bokolo. "Route de l'esclave : enfin, la Côte d'Ivoire!", Podcast : "Mémoire d'un continent" du dimanche 30 juillet 2017. URL : http://www.rfi.fr/emission/20170730-cote-ivoire-route-esclave-kanga-nianze-bain-purification
 
(53) Les Affiches Américaines du samedi 13 janvier 1787. Parution no.2. p.661.
(54-55) Richard Fardon. Between God, the Dead and the Wild : Chamba Interpretations of Religion and Ritual. Edinburgh, 1990. pp.190, 36-37.





Jan pou n site atik sa:

Rodney Salnave. "Yaya pa t mizilman". 6 fevriye 2019 ; Mizajou 13 fev. 2020. [anliy] URL : https://bwakayiman.blogspot.com/2019/02/yaya-pa-t-mizilman.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].


Kontak : asaomedia@yahoo.com

Twitter : @BwaKayIlMent


Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020