Makandal pa t mizilman


Home     



 


Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 12 dawou 2018
(Mizajou : 8 sept. 2020)




Nan vandredi 20 janvye 1758, nan vil Cap Français (vil Kap Ayisyen konnya), yo te brile amò Franswa Makandal (François Macandal), ki se Pwofèt pwazonè a. Antanke yon kaptif (esklav) mawon (kidonk ki te sove) pandan 18 lane, epi ki te jwenn sipò nan yon rezo konplis, Makandal te travay pou kraze koloni esklav Sendomeng la (ki vin tounen Ayiti).
 
"Macandale (sa yo rele a), lidè nan revòlt nwa yo, jijman kondanasyon li pa Konsèy Siprèm Tribinal Cap-Français a nan Sendomeng, 1758." (Trad.) (1) 
Kòm yo te vize sabotaj pwodiktivite koloni a, pandan 3 lane (ki soti nan 1755, rive 1758), Makandal ak konplis li yo te lakòz lanmò pa anpwazonnman de anviron 6000 nwa ak blan. (2) Majorite viktim sa yo te kaptif (esklav) nwa, pwiske ak travay yo, yo te (malgre yo) garanti richès ak kontinyasyon sistèm dominasyon an. Se menm rezon sa ki fè rebèl yo te pwazonnen yon pakèt bèt ki sèvi nan pwodiksyon yo. Otorite yo te arete Makandal epi yo te kondane li kòm etan Sediktè, Profanè ak Pwazonè.


Sous : France "Macandale, chef des noirs révoltés, arrêt de condamnation par le Conseil supérieur du Cap-Français à Saint-Domingue, 1758."  FR ANOM COL E 295

Rekoni pou gwo pouvwa granmoun tradisyonèl li, ke yo te rele Wanga ("Ouanga"), (3) Makandal te pwomèt ke li t ap tounen yon marengwen, sito otorite yo ta va met grap sou li. (4) Konsa, nan moman egzekisyon l an, li te detache l de poto kote l te anchene a, epi li te vole soti nan boukan dife a. Kaptif (esklav) nan Okap ak zòn toupre yo, ke yo te menmen vin gade egzekisyon an, te pran rele "Makandal sove".

(Makandal vole chape de boukan dife a, nan Plas piblik Okap la)
Sous : Wilson Anacréon. "L'esclave rebelle aux pouvoirs magiques". Afrique en création/Aldo Vacchina, Paris. In : Laënnec Hurbon. Les Mystères du vaudou. Paris, 1993. p.40. (Retouche)

Men sòlda yo te vin repran Makandal, epi yo te retounen l nan dife a, jiskalamò. Sepandan, kaptif (esklav) yo ke yo te dispese, yo te fè yo retounen vin gade kadav ak lanmò Makandal. Kaptif (esklav) yo te fè sanblan yo te kwè nan lanmò Makandal, men yo te rete konvenki pandan plizyè lane ke ewo yo a, gangan ki pa ka boule a, te kabwe lanmò. (5) E 33 zan apre egzekisyon Franswa Makandal, sistèm dominasyon an te boulvèse yon lòt jan : Bwa Kayiman ak levekanpe jeneral 1791 la. Epi, nan 1 janvye 1804, deklarasyon endepandans Ayiti a te valide pwofesi Franswa Makandal la. Anplis, istoryen Phillipe R. Girard te sijere kòm prèv de enfliyans mistik Makandal, lefètke ekspedisyon lame franse a te afekte anpil, pandan ete 1802, pa lawoujòl ke piki marengwen transmèt ; e lè nou konnen ke Makandal te pwomèt, si yo te arete l, ke li t ap tounen yon marengwen. (6)


1- Makandal ak revizyon islamik la

Istwa yon magisyen nwa anpwazonè ki transfòme an bèt, sa touswit fè nou panse a majik oswa relijyon tradisyonèl "afriken" an. Egzanp de jan de panse sila fè mikalaw nan kontinan "afriken" an, menm jan tou kote nan Lamerik ki gen moun nwa yo. Sepandan, revizyonis islamik yo inyore verite klè sa, jis pou yo chache fè dappiyan sou pèsonaj enpòtan an, ki se Makandal. Pou plis pase 2 syèk, yo plede fè konnen ke Makandal nan relijyon mizilman an. Men agiman yo baze lajman sou rimè kap kouri, sou envansyon, sou fabrikasyon, sou espekilasyon, sou egzajerasyon, ki souvan pa kanpe sou anyen. Ki sa ki lakòz?
Ewosantrism, kidonk abitid plase reyalite Blan ak Lewòp anwo tout lòt reyalite, se li ki dèyè revizyon islamik sila. Paske, li te difisil, e li toujou difisil, pou yon sèvo ewosantrik aksepte lide ke yon kaptif (esklav) Nwa kapab, pou kont li, monte pi wo pase limit yo mete pou li ; epi ke li kapab fè sistèm esklavajis la mal, pwiske sistèm sila chita sou siperyorite rasyal, ideyolojik, relijye, syantifik ak moral Ewopeyen an. Ki jan lojikman ewosantrik la ka aksepte ke Makandal, yon nonm ke yo konsidere enferyè nan tout sans, kapab kabre entelijans blan an? Espesyalman pwiske li pwazonnen yo, ansanm ak "machandiz" vivan yo, lè li dirije kanmarad li yo nan mannyè pete fyèl li a. Pou li kapab rekonèt talan Makandal, pandan li kenbe entak pèsepsyon li ke tout nwa se enferyè, sèvo ewosantrik la : 
  1. chwazi leve Makandal pi wo pase mas moun nwa ke l soti ladan l nan. Se konsa, ewosantrik la di ke Makandal "pa òdinè" a konpare a pwòp pèp li ; oswa ke li se pitit gason yon Wa "Afriken" (jan yo te di pita pou Tousen Louvèti) ; ewosantrik la egzajere fizik Makandal ke li di "èrkileyen" (menm jan yo te di pita de Boukman, e menm de Cécile Fatiman) ;
  2. apre sa, ewosantrik la chwazi plase kòz siksè Makandal sou enfliyans yon lòt ras (anseyman arab ak mizilman).
Kidonk, manman objektif anbachal revizyonis la, (ke li blan, nwa, oswa lòt koulè), se ranfòse pouvwa ewosantrik, lè li refize lefètke Nwa a gen kapasite pou chanje desten li apatide pwòp volonte li. Paske, gras a revizyon li de verite istorik la, ewosantrik la (kennenpòt koulè li) kenbe ilizyon de siperyorite blan an, epi li diminye anbarasman ke yon viktwa moun nwa reprezante pou li.
Revizyon islamik (ak ewosantrik) sou Makandal la swiv kwonoloji pasyèl sila :
  • 1740-1758 : Mawonaj ak aktivite simen pwazon Makandal.
  • 1755-1758 : Vag simen pwazon entans ke Makandal ak konplis li yo fè.
  • 1758 : Arestasyon ak egzekisyon Makandal.
  • 1787 : Yon lejann anonim ki pibliye nan Le Mercure de France anonse ke Makandal te mizilman, e ke li konn li ak ekri Arab, epi ke li soti nan Mòn Atlas (nan Magrèb). (7)
  • 1788 : Tradiksyon an Anglè de lejann anonim an. Tradiktè a te itilize mo "Guinea" (Ginen) tankou sinonim "Afrik". (8)
  • 1791 : Seremoni Bwa Kayiman ak levekanpe jeneral la.
  • 1804 : Endepandans Ayiti.
  • 1813 : Tradiksyon an Angle nan dat 1788 la, te vin retradwi nan lang Franse. (9) E nan fwa sila, mo "Guinea" (Ginen) a, ki vle di "Lafrik", yo te asosye l a Makandal, san fè estre, nan tèks franse a.
  • 1847 : Thomas Madiou te repete koze nan atik anonim 1787 la ki te fè konnen ke Makandal te yon mizilman ki te edike e ki te pale Arab. (10)
  • 1864 : Melvil-Bloncourt te deklare ke Makandal te yon mizilman, epi ke li te sèvi nan lakou wayal Urba (Okba). (11)
  • 1937 : J.C. Dorsainvil te prezante Makandal tankou yon mizilman ki pale Arab. (12)
  • 1938 : Dantès Bellegarde te premye ki te anonse ke Makandal soti nan peyi Lagine. Li te repete ke Makandal te pitit yon chèf ke yo te mete anba kòd, epi ke yo te leve nan pati Nò "Lafrik", ki mizilman. (13)
  • 1949 : Alejo Carpentier te premye ki te deklare ke Makandal te yon Mandeng (men tradisyonalis), nan yon roman nan lang Panyòl. (14)
  • 1961 : Aimé Césaire te premye ki te fè konnen, san prèv, ke Makandal te yon Mahdi (Madi), kidonk, yon refòmis mizilman ki pral vini, dapre yon pwofesi. (15)
  • 1967 : Gerson Alexis te premye ki te di ke Makandal te mizilman ansanm ak Mandeng. (16)
  • 1974 : Jean-Marie Drot te premye ki te lage ke Makandal te yon Marabout (Marabou), kidonk yon magisyen nan peyi mizilman. (17)
  • 1998 : Sylviane Diouf te premye ki te propoze ke Nwa Makandal la te yon Sharif (Charif), sa vle di, yon desandan dirèk Pwofèt Mawomèt. (18)
Sepandan, kontrèman a lòt tèz revizyonis islamik yo, tèz sila ki sou Makandal la gen yon moso verite ladan l (omwen, yon sanblan verite) ke nou pral devwale ; pwiske objektif nou se prezante pòtre reyèl Makandal.


2- Makandal ak fo istwa a

Pòtre a Makandal ke nou pral prezante nan tèks sila, l ap chita sou dokiman achiv tankou :
  •  Kondanasyon ofisyèl Makandal nan dat 20 Janvye 1758 la ;
  •  Ekriti ak lèt kolon nan Sendomeng yo nan tan Makandal la ;
  •  Jijman tribinal koloni a kont pwazonè yo ; 
  • Kestyonman pwazonè konplis Makandal yo ; 
  • Epi, espesyalman, memwa a Jij Sébastien Jacques Courtin ki te kestyone epi kondane Makandal.
Nan travay li antanke procureur (kidonk avoka) nan Konsèy Siprèm Okap la, nan lane 1756, Jij Sébastien Jacques Courtin te fè yon ankèt manch long pou l te ka dekouvri orijin pil pwazonnman ki t ap kofre pwogrè koloni a depi plizyè lane. An 1779,  vèv li, Anne-Marguerite Barbaroux Courtin, te fè konnen travay di ke defen mari li te fè nan sans sa. (19) E daprè vèv la, ankèt jij Courtin sou pwazonnman yo te aji sou sante li, jouk li te vin lakòz lanmò li. (20) Lè nou konsidere kantite enfòmasyon dirèk ki chita nan tèks Courtin an, nou ta atann aske istoryen ki travay sou Makandal yo ta itilize li. Men nou sezi wè ke yon ti kras sèlman te itilize tèks Courtin an, nan yon mannyè senp, e jis pou yo site kèk ti moso ladan l. Se sa k fè pi fò nan ekriti istoryen yo sou Makandal (epi sou konplis li yo, ke yo egzajere enpòtans mawonaj yo) naje nan fo enfòmasyon. E istwa Dayiti sibi akoz de mank serye nan travay yo. Pa egzanp, istoryen klasik ayisyen yo pwopoze :
  • Ke Makandal soti nan peyi Lagine. (Fo) 
  • Ke li te yon Mandeng. (Fo) 
  • Ke li te konn li. (Fo) 
  • Ke li te pale ak ekri Arab. (Fo) 
  • Ke li te yon mizilman. (Fo) 
  • Ke li te leve nan yon fanmi "Afriken" zotobre. (Pa pwouve) 
  • Ke yo te vann li nan Sendomeng lè l te gen 12 an. (Fo)
  • Ke li te rete nan plantasyon Lenormand de Mézy nan Lenbe. (Fo) 
  • Ke li te gen yon sèl men, paske yon men l te rete kole nan yon moulen sik. (Fo)
  • Ke yo te koupe men li, epi li te vin gadyen bèf. (Fo)
  • Ke li te gen boubout toupatou. (Pa pwouve, epi pa gen chans ke sa te rive)
  • Ke li te gen 2 konplis ki te rele Teysello ak Mayombé. (Fo) 
Konsa, devan chay manti (ki pa islamik) sa yo, k ap sikile sou Makandal, nou pral demonte yo plizyè kote nan atik sa. N ap kòmanse ak 2 nan manti ki pi enpòtan yo.


2.1- Makandal pa t rete nan bitasyon Lenormand de Mézy nan Lenbe

Depi nan lane 1766, Mesye Fremon, ki se Depite Responsab nan Katye Lenbe, manb L'Assemblée du Conseil Supérieur du Cap (Asanble Konsèy Siperyè nan Okap) epi Komisè, (21) te temwaye ke Makandal te rete Lenbe :
"Yo ka di : men kòman demontre ke tè Lenbe a apwopriye pou pwodiksyon sik, e ke Abitan yo travay li selon kalite tè yo ansanm ak kòmandman lanati? (...) Objeksyon sila pa p dire lontan, lè nou sonje pèt imans ke Abitan yo te sibi nan pwazon. Pèsonn pa bliye ravaj ke te fè modi pwazonè yo ki pote non Makandal, chèf yo, ki antanke yon esklav nan Katye [Lenbe] a, te chwazi li pou sibi krim li yo ; e konsa pa gen anpil bitasyon kote tray sila pa t fè yo viktim plizoumwen." (Trad.) (22)
Nan lane 1797, 39 lane apre egzekisyon Makandal, yon tèks Moreau de St. Méry te parèt ki te fè konnen ke Makandal te pwopriyete bitasyon Lenormand de Mézy a nan Lenbe (Nan Nò Sendomeng/Ayiti) :
"Se te pwopriyete bitasyon Mesye le Normand de Mézy, nan Lenbe, ke Nèg Makandal la te ye, limenm ki te fèt an Afrik." (Trad.) (23)
Kòm li te fèt nan Matinik an 1750, otè Moreau de St. Méry te sèlman gen 7 an lè yo te egzekite Makandal la ; e li pa t temwen. Se te jis an 1776 ke li te vin rete nan Sendomeng, kidonk, 18 an apre egzekisyon an. Sepandan, lèt ki te ekri Okap Franse a nan dat 24 jen 1758 la, kidonk, sèlman 5 mwa apre egzekisyon Makandal la, te fè konnen ke Makandal te okontrè rete nan bitasyon Le Tellier, nan Lenbe :
"REMAK EDITÈ A
Nou te resevwa de lèt. Yonn soti nan Kap Franse, Sendomeng, epi lòt la soti nan men endividi a ke yo te ekri nan lèt sa. Kòm endividi sa pou kont li konnen trè byen eta aktyèl Zile sa.
(...)
Nan mwa janvye a, nan katye Lenbe a, ki se senk kilomèt de isit la, yo te arete Franswa Makandal, yon Nèg, yon esklav Mesye le Tellier, yon rezidan Koloni sa, li te mawon (sove) depi dizwitan. Pandan lajounen, li pran mòn pou li, epi nan lannwit li vini nan kay nan zonn an, kote li te gen korespondans ak Nèg yo. Ansanm, yo konpoze plizyè kalite pwazon, ke yo vann kanmarad yo. Yo te jije l. Yo te kondane l pou rekonèt zak li devan pa pòt prensipal Legliz sa, epi pou yo te boule l touvivan. (...) Kantite moun li te touye pandan dizwitan nan mawonaj, nou pa sa konte l. Finalman, yo te egzekite l le ven janvye, a senk è nan apremidi." (Trad.) (24)
Men, malgre konesans de lèt sa yo ki te pibliye anpil fwa, plizyè istoryen kontinye ekri ke Makandal te abite nan bitasyon Lenormand de Mézy. Istwa Dayiti, dapre atitid yo, ta dwe rete kole nan lejann san prèv, pandan ke lòt istwa nan lemond ap evolye ak nouvo dekouvèt enpòtan ki fèt.


2.2- Makandal pa t gen yon sèl men

San prèv, istoryen yo (pase ak prezan) dakò pou di ke Makandal te gen yon sèl men, akoz ke men li te rete kole nan yon moulen a sik. Sa totalman fo, pwiske kondanasyon ofisyèl nan 20 janvye 1758 la te òdone ke Makandal dwe kenbe yon balèn ki peze 2 liv ak toude men li (pliryèl), sa ki montre ke Makandal pa t gen yon sèl men, jan yo abitye di :


 (...)
"20 Janvye 1758, jijman ki kondane Nèg Macandale la pou yo boule l.
Macandale ekstrè nan achiv Konsèy Siperyè Okap la.

(...)
Kòm konpansasyon de sa li [Makandal] jwenn kondanasyon pou l mande padon, toutouni an chemiz, pandan li kenbe ak de men l yon flanbo an lasi limen, ki peze de liv, devan pòt devan legiz pawasyal Vil sila, kote Egzekitè a pral mennen li. (Trad.) (25)
Jij Courtin, menm jan ak sitwayen Okap yo, te wè yon demonstrasyon de fòs fizik Makandal ki, pandan li te nan mitan boukan dife a, te debat tèlman ke li te defèt chenn poto kote yo te anchene l la. Kidonk, si Makandal te vrèman manke yon men, jij Courtin ki travay ak presizyon, (26) ki te rankontre l, epi ki te dekri li fizikman, ta va mansyone sa. Men jij Courtin pa janm di ke Makandal te gen yon sèl men :
"Li [Makandal] te gen je klere, asirans, epi yon rega terib pou yon nèg, mouvman li rapid, deside, siperyè, jan yo pa janm wè nèg genyen, epi menmsi li te ase mens, li te ajil anpil e li te gen yon fòs fizik ki pa t òdinè. Li te vin danjere nan fè pwazon li yo." (Trad.) (27)
Menm jan tou, lèt ki te soti Okap la nan 24 jen 1758 la te pale de toude men Makandal :
"Yo te mare l, ak chenn an fè, nan yon poto ki te plante nan mitan boukan dife a. Apèn li santi dife a, li te lage rèl ki fè pè ; men, li te fè efò ki si gwo epi ak fòs ki siperyè a pa yon nonm òdinè, ke kolye a ak chenn an te detache de poto a ; se konsa ke li te chape kò l nan dife a, yon pati nan kò l l te boule. Maréchaussé [gad koloni] a ansanm ak sitwayen yo, pa pridans, te fè nèg yo ki te toutotou, kite plas la touswit. Malere sila yo, lè y ap pati, te pran rele byen fò ke Franswa Makandal se yon majisyen e li pa ka boule ; ke li te gen rezon di yo ke pèsonn pa ka arete li, e ke depi yo ta mete men sou li, li t ap tounen yon marengwen. Egzekitè a pou tèt li pa t ka kwè sa li te wè a. Li te plonje sou kriminèl la ; li te mare 2 pye l ak 2 men l, epi yo te retounen l nan boukan dife a." (Trad.) (28)
Sepandan, Leta Ayisyen, ki pa genyen istoryen valab, te aksepte nètalkole manti istorik la, jouk li te rive mete imaj Makandal ak yon sèl bra sou kòb li
(Makandal mal reprezante ak yon sèl bra, sou yon pyès monnen ayisyen)
Sous : http://www.coinfactswiki.com/wiki/Haiti_1967-IC_20_gourdes

Men èske yo konnen toutbonvre kote imaj Makandal ak yon sèl bra sa soti? Kolon istoryen Moreau de St. Méry te yonn nan sila yo ki te pibliye santans 20 janvye 1758 la :


(...)
"Jijman Konsèy Okap la, sou Pwazonè Makandal la ak konplis li yo, epi ki bay lòd pibliye Lwa de mwa Jiyè 1682 a, sou Pwazon yo.
Nan 20 Janvye 1758.
(...)
Nan konpansasyon pou sa li [Makandal] te kondane pou l mande padon, toutouni an chemiz, pandan li kenbe ak de men l yon flanbo an lasi limen, ki peze de liv, devan pòt devan legiz pawasyal Vil sila, kote Egzekitè Hot Jistis la, ak yon ensiy : Sediktè, Pwofanatè, epi Pwazonè." (Trad.) (29)
Konsa, nou ta atann ke Moreau de St. Méry ta konnen ke Makandal te gen tou de men li. Men, etranjman, se istoryen sa ki te envante ke Makandal te manke yon bra. Li te ekri sou Makandal :


"Se te pwopriyete bitasyon Mesye le Normand de Mézy, nan Lenbe, ke Nèg Makandal la te ye, limenm ki te fèt an Afrik. Men li [sengilye] te kole nan yon moulen, yo te blije koupe l, epi yo te fè l vin gadyen bèt. Le te vin yon mawon." (Trad.) (30)
Kèk paragraf pi lwen, Moreau de St. Méry te kontredi tèt li, lè li te ekri 2 fwa, ke Makandal, pandan arestasyon li, te gen 2 men li mare epi li te detache yo :


 (...) 
"Yo t ale arete li nan yon kay pou nwa yo, apati de la yo te mennen l nan yon chanm nan yonn nan kwen kay prensipal la. Yo te mare li 2 men dèyè do, epi pa mank de fè, yo mete atach chwal sou li.
(...)
Gad yo te dòmi. Makandal, petèt ak èd 2 nwa yo, te lage men l [pliryèl], li te etenn chandèl la, louvri yon fenèt nan piyon kay la, epi li lage kò l nan savann an." (Trad.) (31)
Prèv la klè anpil ke Makandal te gen toulede men l. Anplis, kwè ke Makandal te ka fè pakèt "majik" yo ak yon sèl men, se montre inorans de finès sa mande pou fè pakèt yo.



3- Makandal, Sediktè a

Lontan anvan anpwazonnman te simaye nan koloni li yo, Lafrans te deja genyen, depi mwa jiyè 1682, yon Atik lwa kont swadizan zak sipèrstisyon ke etranje ta sipoze mennen an Frans. Zak sa yo te gen ladan l majik, owoskòp, epi pwazon. 76 lane pita, pandan kondanasyon Makandal la nan 20 janvye 1758, Konsèy Okap la te bay lòd pibliye Atik Lwa Wayal jiyè 1682 a :
"Kòm pinisyon pou divès kalite krim, e espesyalman anpwazonnman (...) kont sila yo ki rele tèt yo Vwayan, Majisyen ak Enchanteurs [Wangatè]. (...) epi, nan yon fil angajman, sila yo ki te lage kò yo pi plis anba zèl Sediktè sa yo, vin atenn nivo kriminèl ekstrèm nan ki se ajoute madichon ak pwazon nan fetich ak sakrilèj yo, pou yo ka resevwa rezilta ke Sediktè sa yo te pwomèt yo, epi pou reyalizasyon prediksyon malatchong yo..." (Trad.) (32)
E menm anvan mwa jiyè 1682, gouvènman an Frans la te rele lidè kèk gwoup pwazonè anbachal "Devins, Magiciens, Enchanteurs ou Séducteurs", kidonk Divinò, Majisyen, Wangatè, oswa Sediktè (Chamè).* Nan kontèks sila, lè tan an te rive pou kondane Makandal, pwofil li te menm ak pwototip majisyen an, Pwofanatè a, Pwazonè a, epi Sediktè a, ke lajistis te kondane 76 lane anvan.
a) Mo sediktè a ke yo kole sou Makandal la fè plizyè endividi fè erè. Depi 1787, kidonk 29 an apre egzekisyon Makandal la, yon atik anonim ki te parèt nan jounal Le Mercure de France, te simaye espekilasyon islamik sou Makaandal. Epi, istwa sila ki sanble ak sa w jwenn nan yon woman, te prezante Makandal tankou yon sediktè ak kidnapè de fi ki pa ezite pwazonnen fi ki gen odas refize avans li. Otè revizyonis anonim sa, menm jan ak sa ki vini apre li yo, pa t konnen ke Makandal te travay ansanm ak madanm li Brigitte (Brijit) :
"Nègès Marianne an ki te resevwa pwazon ke Makandal te voye pou li pa komisyon Brigitte, madanm li." (Trad.) (33)
Epi Brigitte, san tranble, te andire menm sò ak mari li Makandal ; ki se lanmò nan mitan boukan dife nan dat 20 janvye 1758 :
"Nou ka wè nan Rejis Okap la, pwosè kriminèl kont Macanda, Pompée, Angélique, Brigite, Laurent, ak lòt ke yo te boule depi tan sa." (Trad.) (34)
Brigitte, Pwazonèz pou Libète a, gran ewoyin an, madanm a Makandal, te tounen yon Deyès, yon Lwa/Jany nan relijyon tradisyonèl ayisyen an. Yo venere li sou non Grann Brijit oswa Manman Brijit. Li fè pati de Fanmi Lwa/Jany Gede, ki se Lwa/Jany Lanmò.


(Vèvè Manman Brijit)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.459.

Na va analize pouki Manman Brijit nan rit Gede a, nan atik k ap vini an.
an) Makandal te yon Sediktè toutbonvre : yon Sediktè pou mas moun nwa yo (kit yo kaptif (esklav), kit yo lib) nan Sendomeng. Popilasyon sa te pè li an menm tan ke li te venere li, epi ke li te kwè ke li te envensib. Pa egzanp, konplis Makandal yo te fyè rele tèt yo Valè li (kidonk) Domèstik li. Sa se yon prèv klè de soumisyon yo devan li. E lè yo te nan prizon, yo te refize kwè otorite yo ki te di yo ke yo te arete Makandal tou. Se sèlman lè yo te wè Makandal ak pwòp je yo, anvan yo te boule yo, ke yo te kwè sa :
"Li [Makandal] te tèlman gen enfliyans sou nwa yo, ke yo pa t kwè li te posib pou yo te arete li. E lè yo te mennen l, mwen te di de akize sa, yo pa t kwè l, epi yonn nan yo te di m fò li ta wè l ak pwòp je li pou l ta kwè sa. E yo te plase yo devan msye, yo te deja fin kondane pou yo boule, e sèlman t ap tann moman egzekisyon yo. Men, lè yo te mennen yo devan msye, sipriz yo, ri sibit yo, ansanm ak pawòl yo, sitou pa Léveillé, ki te konnen li pi byen, yo te ba nou yon spektak inik, e te konvenk nou de nan ki nivo yo te pri anba enfliyans li." (Trad.) (35)
Anplis de fo rimè sou Makandal ak medàm yo, tèks woman nan dat 1787 a te envante 2 konplis pou li : Teysello (Tiselo) ak Mayombé (Mayonmbe). Epoutan, pi fò, si se pa tout chèchè yo, neglije lefètke tèks sa se fiksyon, lè yo pwopoze ke non Teysello ak Mayombé yo soti nan Kongo. (36) Men ni Teysello, ni Mayombé pa parèt nan lis konplis Makandal yo ke, nou dwe raple l, yo te arete, tòtire, epi boule vivan. Kidonk, se yon jouman pou sakrifis bonjan Makandalis yo lè chèchè yo antre pèsonaj envante tankou Teysello ak Mayombé nan mitan yo.


3.1- Makandal pa t fèt nan Mòn Atlas, nan "Afrik" Dinò

Otè revizyonis anonim de 1787 la pa t konnen ki kote Makandal te soti. Malgre sa, li pretann ke li konnen ran Makandal nan peyi dorijin li :
"Pandan apreprè vennsenk an zile Sendomeng la t ap tranble depi yo lonmen non Makandal. Li fèt an Afrik, nan yonn nan peyi sa yo ki kore sou Mòn Atlas la, li te pwobableman soti nan yon ran enpòtan nan peyi li..." (Trad.) (37)
Mòn Atlas chita nan Maghreb (Magrèb) (nan "Afrik" Dinò Arab ak Bèrbèr), ant Maròk, Aljeri ak Tinizi. Konsa, li difisil pou nou wè nan ki peyi ki "kore sou Mòn Atlas" Makandal te ka soti, paske yo te rekonèt li kòm Nwa, e li pa t sanble ak yon Magreben, kidonk pèp yo k ap viv nan Magrèb la.


(Mòn Atlas, nan "Afrik" Dinò (Magrèb))
Sous :  https://en.wikipedia.org/wiki/Atlas_Mountains#/media/File:Atlas-Mountains-Labeled-2.jpg

Anplis de sa, otè anonim an pa te ofri okenn achiv oswa temwayaj kòm referans pou enfòmasyon jeneyalojik yo ke li lage jis konsa. Li pretann ke l konnen a ki laj yo te bwote Makandal nan Sendomeng, lè otè a pa t menm ka site Lenbe, kote Makandal te rete a. Ni otè anonim an pa t mansyone Le Tellier, kolon an ki te pwopriyetè Makandal la :
"Epi menm si li te sèlman gen douz an, lè yo te mennen l nan Amerik, li te gwan konesè de lamedsin de peyi l, ansanm ak sekrè senp majik yo, ki si itil, epi souvan si danjere nan zòn cho ki blayi nan mitan twopik yo. Li ke yo te transpòte nan Sendomeng epi vann bay yon Kolon toupre Kap-Franse, Makandal te fè plezi mèt akoz de devouman l, ak gwo entelijans li..." (Trad.) (38)
Nan rapò ke l te fè a, jij Kourtin te rekonèt ke Makandal te soti lòt bò dlo (kidonk, li pa t yon Kreyòl). Men jij la pa t bay presizyon sou kote Makandal te soti. Li, sepandan, te mete aksan sou ran militè Makandal, sa ki vle di ke lidè rebèl la te atenn laj adilt nan peyi li. E sa demanti vèsyon islamik anonnim an :
"Epi nou dwe admèt ke F. Makandal pa t yon Nèg òdinè. Li te kaptèn nan peyi l. Li te gen je klere, asirans, epi yon rega terib pou yon nèg, mouvman li rapid, deside, siperyè, jan yo pa janm wè nèg genyen, epi menmsi li te ase mens, li te ajil anpil e li te gen yon fòs fizik ki pa t òdinè. Li te vin danjere nan fè pwazon li yo. Se pwobableman sa ki te ba li ase prèstij pou l te ka kenbe sekrè li djanm nan men moun ke l te lage koze li nan men yo." (Trad.) (39)
Na va presize orijin egzak Makandal nan yon lòt tan.


3.2- Makandal pa t sèvi nan lakou Okba (Urba)

An 1864, kidonk 106 lane apre lanmò Makandal, yon lòt revizyonis, Melvil-Bloncourt, te chache kreye yon lyen ant Makandal ak islam. Otè sila te klèman idantifye plantasyon Le Tellier, kote Makandal te chape a. Sepandan, otè revizyonis la te diskredite tèt li, lè li te islamize yon tèks de otè Descourtilz de 1809,** ki deklare ke Makandal te jwenn non li, "Makandal", nan lakou Urba a. "Urba" se yon defòmasyon de Okba oswa Okba Ibn Nafi, ki se non yon chèf lagè mizilman ki te konkeri Magrèb la :
"Pami moun ke yo te vann nan Okap, vè lane 1740, te gen yon Mawometan [Mizilman] nwa yo te rele Makandal (3) nan atelye plantè Letellier a, e ki te jwenn non Franswa a nan batèm li.
(3) Non sila soti, pwobableman, nan Makanda, bòkò Gineyen ki nan lakou Urba a, te fòme yon jan de kolèj pou majisyen. — Nan koloni nou yo, nèg yo toujou rele Makanda, sa nan yo ki se fèwè, bon palèr, filozòf, jan yo di." (Trad.) (40)
Otè Melvil-Bloncourt te manke enfòmasyon kredib. Pou kòmanse, li te di ke Makandal te rive nan Sendomeng vè 1740. Men Makandal te deja nan zile a lontan anvan. Anplis de sa, kòman Makandal ta ka fè gen yon lyen ak lakou Okba Ibn Nafi, lè lakou sa te egziste nan 7yèm syèk kretyen, kidonk 11 syèk anvan tan Makandal la? :
"Nan lane 670 nan epòk kretyen an, caliph [chèf relijye mizilman] Moawia te nonmen Okba-ebn-Nafi gouvènè provens Afrik la. Anpil Bèrbèr ki te apènn konvèti nan islam te antre nan lame Okba a, ki te ekstèminen rès kretyen ki te rete yo." (Trad.) (41)
Okba, ke yo te sasinen nan lane 683, li se sous revizyon islamik, nan "Lafrik" tou. Paske pati ki islamize nan gwoup etnik Foula a, defòme non moun ak non kote, pou yo ka bay manti epi deklare ke yo se desandan Okba. (42) Sa montre ke, revizyon islamik la fèt menm jan nan tou de bò Oseyan Atlantik la.
Melvil-Bloncourt, otè revizyonis la, te kontinye lage espekilasyon sou lavi Makandal ke li deklare te pale Arab :
"Nèg sa, ki deja pa t òdinè nan gwosè Titan li, fòs èrkileyen l, te sa plis ankò akoz de  orijin ak entelijans li, pitit gason yon chèf tribi, li te fè lagè nan peyi l ; — li te pèdi, yo te vann li antanke prizonye bay negriye [batiman esklav] ki te bwote l nan Sendomeng. Tankou anpil Afriken yo te enpòte nan Zantiy yo, li te gen kèk konesans, li te pale Arab..." (Trad.) (43)
Pou l pwouve pawòl li yo, otè a te sèlman prezante prèv endirèk ke l te pran nan kontak Kolonèl Malenfant nan Matinik ak yon kaptif (esklav) chofè kabwet ki te kenbe nòt li nan ekriti arab ; epi nan eksperyans Malenfant ak Tamerlan (ke nou te pwouve pa t ekri an arab). Toujou san okenn prèv, otè sila, Melvil-Bloncourt, te deklare tou ke Makandal ak asosye li yo te swete ale "nan paradi Allah a" :
"Epi pandan ke lannwit te chita sou twopik yo, ak ròb ble bwode ak zetwal li a, Pwofèt la te pale. Chofe anba flanm dife elokans Afriken li a, esklav yo," eritye sa yo de paradi nan syèl la, "te cho pou yo te reyalize sou latè kè kontan paradi ke yo te pwomèt yo;" yo pa t swete anyen pi plis ke paradi Allah— ki, dapre Mawomèt, twouve l nan lonbray epe li." (Trad.) (44)
Men, ki non paradi Allah sa? Arab yo rele l "Al-Naim", yon non ki pa egziste nan lis mo Kreyòl ayisyen an. Nou te wè, pi wo, ke yo te rele majik Makandal la "Ouanga" (Wanga). E sa se yon mo ki soti nan "Lafrik" Santral, e ke nou pral analize an detay nan atik k ap vini an. Kidonk, si Makandal t ap travay pou "paradi Allah a," poukisa mo Arab la pou di "Paradi" (Al-Naim) pa egziste nan kreyòl ayisyen, ni nan tèks kolonyal yo, pandan ke mo "Wanga" a itilize san kanpe nan tout istwa Dayiti?
Anplis, li byen dokimante, nan atik nou yo tankou nan literati istorik, ke revolisyonè ayisyen yo te vle, nan lanmò nan lagè, retounen Nan Ginen, kidonk nan "Paradi" yo ki reprezante "Lafrik" orijin yo ke yo rele Guinée oswa Ginen, an Kreyòl. Epi Ginen rete, jouk jounen jodiya, yon mo sakre nan relijyon tradisyonèl ayisyen an. Pou plis enfòmasyon sou Nan Ginen, gade atik nou an : Desalin pa t mizilman.


3.3- Makandal pa t soti nan peyi Lagine

Istoryen revizyonis yo, nan ekriti yo, te depi lontan prefere lide ke Makandal soti nan peyi Lagine, nan "Lafrik" de Lwès. Men kote prèv ke l te soti la vre? Nou pa bezwen atann aseke yo fè rechèch nan sans sa. Enben, ann gade ki sa achiv yo di sou sa :
a) 1740-1758, nan tan Makandal la, pèsonn pa te sigjere ke li te soti nan peyi Lagine. Jij Courtin pa t ekri sa. E kolon Sendomeng yo ki t ap viv nan menm tan ak Makandal pa t di sa pyès.
an) An 1787, lejann anonim "Makandal, Histoire véritable" ("Makandal, Bonjan Istwa") la te fè konnen ke Makandal soti nan Mòn Atlas nan Magrèb. Konsa pa t gen okenn pale de Gine.
b) An 1788, yo tradwi nan lang Angle lejann anomin "Makandal, Histoire véritable" la, sou tit : "The Negro Makandal, an authentic History." Epi tradiktè a konsève pati ki di ke Makandal soti nan yonn nan peyi ki toupre Mòn Atlas. (45) Sepandan, tradiktè a te twouve l nesesè, nan nòt anba paj la, pou l te bay definisyon de mo "fetich" la (ki te nan tèks orijinal la). E se la tradiktè a pral itilize mo "Guinea" (Ginen) ki vle di "Lafrik", kidonk kontinan an kote, selon tradiktè a, yo venere "fetich" yo :
"NÒT
Fetich se non ke yo bay Lespri yo nan Guinea (Ginen); yonn nan yo ta dwe prezide sou yon provens antye, epi yonn sou chak fanmi. Zidòl sila se yon pyebwa, tèt yon senj, yon zwazo, oswa kennenpòt bagay ke lide yo di yo." (Trad.) (46)
Konsa, se jis an 1788, kidonk 30 lane apre egzekisyon Makandal, ke mo "Guinea" (Ginen) an, ki vle di ansanm kontinan "Afriken" an, te vin relye a Makandal. E li te relye a li, nan yon jan ki pa dirèk, nan definisyon mo "fetich" la.
ch) An 1804, tradiksyon nan lang Angle a te vin repibliye, (47) san chanjman nan sans kontinan ki nan mo "Ginen" an.
d) An 1813, kidonk 55 lane apre egzekisyon Makandal, epi 9 lane apre endepandans Ayiti, tradiksyon an Angle a te vin retradwi nan lang Franse. (48) Sa pral lakòz mo "Ginen" an ki te nan nòt anba paj la, vin parèt premye fwa nan lang Franse, nan lyen ak Makandal. (49)
e) An lane 1825, nan lyen ak bwè diven, yon nòt anba paj kole pahaza  Makandal ak mo "Ginen" an :
"Mwen te wè, nan Sendomeng kèk nan nèg Ginen yo fè mèvèy ki pi etonan ankò. Makandal ki pi popilè a, ki te enfliyanse se pa de nwa epi anpwazonnen menm kantite blan, li te fè yo ranpli piblikman twa kivèt dlo klè. Li te depliye twa mouchwa blan, e li te tranpe yo nan twa kivèt yo. (...) Nou pa t ka konnen ki senp ki te dèyè transfòmasyon twa mouchwa yo. Nèg Ginen yo gen anpil sekrè konsa, se pa tout ki inosan." (Trad.) (50)
Yon fwa ankò, mo "Ginen" an, yo itilize l nan sans kontinantal. Li sinonim ak "Lafrik". Li gen menm sans an Ayiti kote Ginen oswa Nan Ginen pa vle peyi yo rele Lagine a, men li vle di ansanm kontinan "Afriken" an.
è) Nan lane 1835, vèsyon 1813 la, ki te pale de mo "fetich" ak "Ginen" an, te reparèt. (51)
en) Nan lane 1864, Melvil-Bloncourt te ekri ke non Makandal la "soti, pwobaleman, nan makanda, bòkò Gineyen ki, nan lakou Urba a, te fòme yon jan de kolèj pou majisyen." (trad.) Men otè a pa t pale de peyi ki rele Lagine a.
f) An 1935, 177 lane apre egzekisyon Makandal la, istoryen revizyonis ayisyen Dantès Bellegarde te chanje "Guinée" (Ginen) pou "La Guinée" (Lagine). Li vin premye moun ki te retire sans jeneral oswa kontinal ke mo "Guinée" a genyen. Yon sans ki te asosye a Makandal depi 1788, paske li vle di kontinan "Afriken" an ke yo te rele Ginen. Bellegarde te pi pito sans presi ak nasyonal ke mo "La Guinée" a genyen, paske li se non yon peyi ki se Lagine :
Le nègre Mackandal appartenait à la florissante habitation Le-normand de Mézy, dans la Plaine du Nord. Il était fils de chef africain. Tout jeune, il avait été enlevé des côtes de la Guinée et conduit comme otage parmi les tribus du nord de l'Afrique qui pratiquaient l'islamisme. Il fut donc élevé dans la religion musulmane." (52)
Tradiksyon :
"Nèg Mackandal la te pwopriyete kòkennchenn bitasyon Le-normand de Mézy a, nan Laplèndinò. Li te pitit yon chèf afriken. Li te jèn lè yo te kidnape l nan kòt La Guinée [peyi Lagine] yo epi yo te kondwi l kòm otaj bay tribi Afrik Dinò yo ki pratike islam. Li te leve nan relijyon mizilman an."
Ranplasman de mo a pa t fèt pa erè. Paske, Dantès Bellegarde maton ase nan lang Franse a pou l konnen ke nan lang sa, "côtes de Guinée" ("kòt Ginen yo") se sinonim (kikonk vle di menm bagay) ak "kòt Lafrik yo". Pandan ke "côtes de la Guinée" vle di "kòt peyi yo rele Lagine a".
Pa egzanp, Thomas Madiou te fè diferans ant
"côtes de Guinée" ak "côtes de la Guinée". Istoryen ayisyen sila te ekri "côtes de Guinée" lè l ap pale de "Lafrik" an antye ki te bay kaptiv (esklav) pou al bourike :
"Les cultivateurs ne se recrutant plus que sur les côtes de Guinée, on s'habitua à ne voir dans l'esclavage que des noirs ou quelques mulâtres..." (53)
Tradiksyon :
"Kiltivatè yo, yo te jis pran sa nan "côtes de Guinée" kòt Ginen yo, nou vin abitye wè nan esklavaj ke nwa oswa kèk milat..."
Epi Madiou te ekri "côtes de la Guinée" (kòt Lagine yo) lè li pale de ekspedisyon Angle John Hawkins an nan 16yèm syèk kretyen an, nan kòt Sierra Leone (ki se yon peyi nan "Lafrik" De Lwès ki toupre Lagine). Men, Madiou te ekri "côtes de la Guinée" lè li pale de kòt peyi nan "Lafrik" de Lwès ki rele Lagine a :
"Cependant en 1562, John Haukins vint mouiller, avec une flottille, sous pavillon Anglais, le long des côtes de la Guinée..." (54)
Tradiksyon :
"Men, nan 1562, Jan Haukins te akoste, avèk yon flòt batiman, anba drapo angle, bò "côtes de la Guinée" kòt Lagine yo."
Konsa, Thomas Madiou ki limenm tou dakò ak vizyon mizilman sou Makandal la, pa te asosye l ak peyi Lagine, jan malonèt Dantès Bellegarde la te fè l nan fè jwèt demagojik ak mo.
g) Nan 1957 ak 1958, oswa 2 syèk apre egzekisyon Makandal la, Alfred Métraux te rann jwèt mo Dantès Bellegarde la ofisyèl, lè li te ekri kareman, sou Makandal :
"Li te yon Afriken ki soti Lagine." (Trad.) (55)
Depi lè sa, fo orijin gineyen an ke yo te lage sou Makandal la pa t sispann blayi. Na va wè, nan atik pwochen nou an, nan ki peyi ak nan ki gwoup etnik Makandal te soti.


3.4- Makandal pa t yon Mandeng

Nan lane 1949, Alejo Carpentier, yon otè woman ki gen orijin Franse ak Kiben, te premye ki te deklare ke Makandal te yon Mandeng. Sa pa ta va yon pwoblèm, si Carpentier pa t mande, nan prefas woman li a, pou yo pran travay li a tankou yon rechèch serye :
"Nou dwe avèti lektè a ke istwa sila chita sou yon travay rechèch manch long. Yon rechèch ki pa sèlman respekte verite istorik evènman yo, non pèsonaj yomenm pou pèsonaj ki mwen enpòtan yonon kote yo e menm non lari yo, men li kache tou, anba sa k parèt pa gen dat, yon presizyon serye de dat ak kwonoloji." (Trad.) (56)
Malerezman, referans ke Makandal te yon Mandeng pa egziste. Yo pa t janm idantifye Makandal, ni okenn nan konplis li yo kòm Mandeng.
a) Alò kote pawòl Carpentier sa yo soti? Yo soti nan lefètke otè sila te fèt nan yon ansyen koloni panyòl kote Mandeng yo gen pi move repitasyon. Pa inyorans, Alejo Carpentier te pran pou inivèsèl, yon reyalite ki sitou espanyòl :
"Yon esklav ak yon sèl bra [Makandal] pa t vo chè. Epitou, tout moun konnen ke chak grenn Mandeng, se yon nèg mawon ki poko chape. Ki di Mandeng di tchak, rebèl, demon. Se sa k fè moun ki sòti nan Wayòm yo pa t vo chè nan mache esklav yo. Yo toujou sèlman ap panse pran mòn pou yo." (Trad.) (57)
Si mo "Mandinga" a toujou vle di rebèl, "demon", "satan", oswa "mawon", nan ansyen koloni panyòl yo ; e sitou nan koloni ki nan Amerik Disid yo, se pa t menm bagay la nan koloni franse yo, ki te gen Sendomeng ladan l. Nan Sendomeng, Kongo yo te mèt kesyon mawonaj la. Kanta pou Mandeng yo, yo te sove trè raman. Epi kolon Gérard Aîné te klase yo pami gwoup etnik yo ki dosil, travay byen, epi apresye :
"Nèg Kotdò, Arada, Ibo, Takwa, Awousa ak Mandeng yo merite ke nou prefere yo a nèg Kongo yo pou yon dal kalite rezon : premye yo renmen travay natirèlman, yo kenbe  kay yo pwòp epi yo atache anpil a madanm ansanm ak timoun yo. Yo gen lanmou pou pwopriyete, e sa fè yo rayi vole ak mawonaj. Kò yo djanm epi yo viv lontan.
Kongo yo, kanta yo, yo pifò tan parese, libètinè, makomè, kò yo mòl, e pou rezon sa, yo fasilman trape yon maladi ki toujou fatal, cachexia, ke yo rele isit la malestomak. Yo maton nan vòlò ak mawonaj..." (Trad.) (58)
Anplis de sa, kolon Moreau de Saint Méry, menmsi li pa t panse yo te pafè, te trouve ke Mandeng yo te bon pou yo itilize nan zile yo :
"Mandeng la se yon mèt sevèr, kèk fwa li kriyèl, epi l abitye kòken ;  manje prensipal li se diri. Men esklav Mandeng la, akozke yo te mate li nan esklavaj ak vyolans, li bon pou yo itilize nan zile yo, kote sò li amelyore, epi li pafwa pèdi gou li pou ti vòl." (Trad.) (59)
Konsa, patipri kiltirèl Alejo Carpentier fòse l wè pwazonè ak rebèl Makandal la kòm yon Mandeng. Paske, nan kilti Panyòl li, kaptif (esklav) Mandeng yo reprezante potomitan dezobeyisans. E kòm li pa t konnen reyalite patikilye koloni fransè Sendomeng la, otè Kiben an te plake istwa Panyòl li a sou Makandal. Men, si Carpentier te fè yon bon jan rechèch sou Mandeng yo, li ta va dekouvri ke nan lane 1716, eksploratè André Brüe te pi pito kòm esklav Mandeng yo ke li te dekri kòm "dosil ak fidèl" :
"Li se sèten ke nèg sa yo [Mandeng] se pi bon nwa nan Lafrik pou travay; gaya, obeyisan, fidèl, yo menm pa gen abitid, tankou pifò nèg Lagine yo, dezespere nan kondisyon yo jouk yo ta vle debarase yo de li nan lanmò oswa nan mawonaj." (Trad.) (60)
Menm jan tou, nan lane 1795, Mungo-Park te trouve tou ke Mandeng yo "dou ak itil" :
"Mandeng yo, an jeneral, yo gen yon karaktè dou, itil ak sèvyab." (Trad.) (61)
an) Malerezman, deklarasyon mazèt Alejo Carpentier a te vin blayi plis tan te pase. (62) Carpentier te sètènman prezante Makandal kòm yon Mandeng, men kòm yon Mandeng tradisyonalis ; e menm kòm yon Houngan, kidonk yon chèf tradisyonalis. Sepandan, revizyonis islamik yo, te pwofite de tèks Carpentier yo, lè yo te prese ajoute yon dimansyon islamik nan swadizan orijin Mandeng Makandal la. Revizyonis sa yo te kenbe pèsepsyon Panyòl la, lè yo te montre Makandal tankou yon rebèl epi yon Mandeng mizilman feròs. Yon bagay ki pa koresponn ak reyalite nan Sendomeng. Ka Assam an, yon pwazonèz nan Lenbe, nan tan Makandal la, te demontre okontrè ke pwazonè yo te soti nan plizè gwoup etnik, (63) men pa t gen okenn Mandeng nan yo :
  • Assam, Pwazonèz (Foula, tradisyonalis/katolik senkretik (kidonk melanje)).
  • Pompée, lib, Ankouraje zòt simen pwazon (Kreyòl, katolik senkretik).
  • Jean nan bitasyon Laplaine nan Lenbe, Pwazonè (Orijin li pa devwale).
  • Yon nwa lib ke non li pa t di (Dyola, tradisyonalis).
  • Gadyen nan bitasyon Laplaine (Banmbara, tradisyonalis).
  • Marie-Jeanne, libere, Machann (Niyanmba, tradisyonalis).
  • Madeleine, Machann (Nago, tradisyonalis).
  • Coffi nan bitasyon Laplaine, Pwazonè (Orijin li pa devwale).
Konsa, echantiyon sila demanti revizyonis islamik yo. Tradisyonalis yo te klèman pwazonè yo. Anplis, Mungo-Park, ki te nan teritwa mandeng nan mwa desanm 1795, te ekri :
"Sèvitè zidòl yo enfiniman pi plis, sa pa menm konparab, epi gouvènman peyi a se nan men yo li ye; paske menmsi yo konsilte souvan pi respektab nan Bouchrinn yo [ki islamize], nan zafè ki gen enpòtans, sepandan yo pa janm pèmèt yo pran ankenn pa nan gouvènman egzekitif la ki rezève pou mansa a oswa wa a, ansanm ak gran ofisye leta yo." (Trad.) (64)
Kidonk, 37 lane apre egzekisyon Makandal la, gwo majorite Mandeng yo te tradisyonalis, e yo te kenbe pouvwa a nan "Afrik" de Lwès. Se te menm jan tou nan Sendomeng.


3.4.1- Eritaj Mandeng an Ayiti

Eklatman Revolisyon ayisyen an nan lane 1791 te mete otan toudenkou nan enpòtasyon kaptif (esklav) nan koloni Sendomeng (Ayiti) a. E depi lè sa, kontribisyon kiltirèl "Afriken" an te sispann. Sa vin fè ke, memwa tradisyonèl Ayisyen an vin yon echantiyon (yon ti moso) nan reyalite mas pèp nan kontinan "Afriken" an, anvan "Afriken" sa yo te kòmanse konvèti nan islam an 1804.
Kontrèman ak ansyen koloni Panyòl ak Angle yo, kote Mandeng la se yon lejann ak yon senbòl, an Ayiti, se pa konsa ditou. Pou Ayisyen an, Mandeng la reprezante yon sèl nan plizyè santèn gwoup etnik ki te kontribye nan eritaj li. Mandeng la pa gwoup ki gen plis valè a, ni li pa gwoup ki pi meprize a (byenke yo deplore, nan "Ti landeng", pèsistans san mande rete li). (65) Li pa pi popilè a, ni li pa gwoup ke yo pi bliye a. Akote de bri revizyonis yo nan 50 lane ki sòt pase yo, mo "Mandeng" la reprezante eritaj tradisyonèl la an Ayiti. Gen kèk Ayisyen ki konnen kout tanbou "Mandeng" la. Epi nan jwèt, yon moun ka mande yon timoun ki bouje anpil, si yon Lwa Mandeng "posede" l? Sa se yon referans a konpòtman gadja yon tradisyonalis ke yon Lespri Mandeng ka "monte" tanporèman. E se yon konpòtman ki rete nan sèvis tradisyonèl nan Sahèl la. (66) Kidonk, konsyans ayisyen an kenbe ke Mandeng nan Sendomeng yo te tradisyonalis.
Sepandan, te gen Mandeng islamize nan Sendomeng tou. Men, pa nan kantite ke revizyonis yo imajine l la. E pa gen anyen ki montre ke Mandeng islamize yo te gen okenn enfliyans patikilye. Na va pale de sa nan yon atik k ap vini.
1) Kita ak Anpir Mali a : Gen, nan relijyon ayisyen an, Nasyon sakre Kita a, ke yo rele Nanchon Kita. Gen kèk konfizyon ki egziste sou orijin egzak "Kita". Èske li se vil sakre Kita a nan peyi yo rele Mali jounen jodiya, oswa èske li se rasanbleman divès kalite Lespri (Lwa/Jany) Nkita ki soti nan peyi Kongo? Pou nou pa konplike tèks sila, nou pral analize Kita, ki se plas mistik enpòtan an, bouk sa ki te jwe yon wòl espirityèl enpòtan nan ansyen Anpir Mali a ke Anperè Mandeng Soundiata Keïta te fonde.


(Kita, nan Anpir Mali)
Sous : Youssouf Tata Cissé, Wâ Kamissoko. La grande geste du Mali : Des origines à la fondation de l'Empire. Paris, 2000, pp.419-420.

Anpil tan anvan rive islam, depi tan te tan, Mandeng tradisyonalis yo te konn ale nan pelerinaj nan Kita, gwo kote sakre yo. Soundiata Keïta, Masa a, oswa Wa Mandeng la, te ale nan pelerinaj la tou, vè lane 1230 pou l te sele mistikman kreyasyon Anpir li sa :
"Pou fèmen ak sanktifye kanpay pou inifikasyon peyi Mandeng la, Sundiata te ale Kita. (...) Depi tan te tan, prèt yo, prèt-wa yo, diyitè ak chèf lagè yo te konn al pirifye lavi yo, al lapriyè pou pwosperite ak grandè peyi yo nan sous Mòkòya dji, "Dlo pèsonalite a", ki chita nan mòn anwo Kita a." (Trad.) (67)
San mande rete, revizyonis lonmen non Kankan Moussa ki te fè yon vwayaj chaje ak lò nan Lamèk, nan lane 1324. Men yo bèbè sou lefètke Anpir Mali a se kreyasyon Wa tradisyonalis Soundiata Keïta, grantonk Kankan Moussa.


(Mòn sakre nan Kita Kourou, Mali)
Sous : Jumelagevoorschotenkita ; URL : http://ml.geoview.info/kita_kourou,44599132p

Nan Kita, Anperè Soundiata Keïta te sakrifye plizyè bèf ak kabrit (68) pou Dialan oswa Lespri zansèt yo,  ki genyen ladan l Faro. Faro ke tout Wa Mandeng yo te fè sakrifis pou li. (69) Relijyon tradisyonèl ayisyen an toujou onore Faro ak Penmba, ki se 2 Dialan ki dirèkteman soti nan Ze orijinèl la, ki se kreyasyon Mangala (MaaNgala), Bondye Kreyatè Mandeng (ak Bambara). (70)
2) Wa Gazou ak Anpir Gabou a : Ayisyen ki gen zansèt Mandeng nan vil yo rele Balan an, toujou kontinye onore Wa Gazou, nan lapriyè yo. Mo "Gazou" a pale de Wayòm Mandeng yo rele Gabou a, ki te fèt akozde goumen ki te genyen nan mitan Anpir Mali a.


(Kat Wayòm Mandeng Gabou a oswa Kaabou)
Sous : BNF. Extrait de la "Carte du voyage de Mr Mage de St-Louis à Ségou. Sén" ; URL : https://upload.wikimedia.org/wikipedia/commons/2/25/KaabuMap.jpg

Wayòm Gabou a te fonde tou nan alantou lane 1230, pa Tiramangan Traoré (Wa "Gazou" Ayisyen yo). Wayòm Mandeng Gabou a te tradisyonalis jouk fen li an 1867, ki se 63 lane apre dat endepandans Dayiti :
"Jiska fen li an 1867, animis te rete relijyon ofisyèl nan Gabou ; Gabounké a, tankou nenpòt ki animis, kwè nan "lespri ", nan "jeni", nan "fòs envizib" ki gouvène linivè a. "Jeni" sa yo rele dialan, ki se non yon pyebwa ke rityèl yo, nan peyi Mandeng, te premye òganize anba li." (Trad.) (71)
Epi fondasyon Wayòm sa, yo atribiye l bay Tamba Dibi, ki se Bondye-Koulèv la (Dialan Saa) ke yo te onore, menm jan ak lòt Dialan yo, nan rak bwa sakre yo :
"Lejann Dialan Saa a, ki se sèpan sakre a, pale de bèl orijin wayòm Gabou a. Chak bouk te gen yon rak bwa sakre kote yo te fè rityèl pou Dialan pwotektè a. Se animis sila ki te lakòz Gabou te jwenn pèsekisyon nan men Foula nan Fouta Djallon yo, ki te jwenn èd, nou dwe di li, nan men popilasyon konvèti yo ki te abite sou teritwa li a." (Trad.) (72)
Wa Gabou a, Tiramangan Traoré, ke griot (griyo, kidonk rakontè "Afriken") islamik yo fè espre neglije, li reprezante modèl ideyal idantite tradisyonalis (oswa animis) la. Li te nan chire pit ak Soundiata Kéïta, ke li te konsidere twò akomodan pou mizilman yo. Apre sa, li te vire do l bay Wayòm Mali a, kote li pa janm retounen, epi li te fonde Gabou. (73) Non Wayòm sila soti nan "An kaaboung folo", ki vle di "ann kontinye fè lagè". Sa se yon fraz ke Tiramangan Traoré te lage pou l te ankouraje sòlda l yo ki te vle retounen lakay yo, apre yo te fin bat Wa peyi Bainuk la nan Kikikor. (74) Kidonk, Wayòm Mandeng Gabou a te viv nan fè lagè. Men, lagè li yo te chita sou valè tradisyonèl :
"Wayòm Gâbou sila jwenn definisyon li sitou nan lanmou li pou lagè, se sa k fè non l ki se "elit chèf lagè", ak relijyon animis [tradisyonèl] li. Nou dwe remake tou ke prensip ki gide l se kouraj ak britalite (jarinteya), aji an brav (ŋamaya) epi lafwa nan animis la (soninkeya)." (Trad.) (75)
Konsa, kontreman a sa, griot islamize yo plede di, pwoteje relijyon tradisyonèl la (ke yo rele Soninkeya) te bay Tiramangan Traoré enspirasyon fonde Wayòm Gabou a. Yonn nan prèv de sa chita nan lefètke se sèlman nan Gabou konvèti nan islam te fèt nan mas pèp la anvan li te jwenn klas elit la. Tout lòt kote nan "Lafrik", klas elit la te konvèti an premye, epi mas la te swiv plizyè deseni pita. Kidonk, se pa etone ke Wa Gabou te kontinye jwenn onè nan rityèl tradisyonèl ayisyen an. Paske Ayisyen yo te deja gen pwòp peyi endepandan yo depi 63 zan, lè zafè konvèti nan islam an te gaye, epi li te lakòz Gabou te tonbe an 1867.
3) Nantyou ak Anpir Gabou a : Kanta pou sòlda Anpir Gabou a, yo fòme yon enstitisyon sakre ki rele Nianthio, Niantcho oswa Ñannco. Non sa, li te tit Prens eritye yo, neve Wa Gabou yo ki, yonn apre lòt, te administre 3 nan 4 pwovens Wayòm an. Nianthio yo te sòlda vanyan ki te refize esklavaj :
"Rezondviv nianthio a se kouraj ; sòlda vanyan, li pa dwe nan okenn moman montre siy feblès. Nianthio a pa pè lanmò ; li prèt pou mouri pou defann Gabou, ke li se gadyen l. Li pito lanmò pase esklavaj, konsa swisid se pratik komen lakay nianthio yo ;  li pa sipòte ni pèdi lonè, oswa esklavaj. Yo kwè ke yon fòs sinatirèl pwoteje nianthio a, e ke se gras a fòs sa ke li chape nan danje." (Trad.) (76)
Manm nan Nianthio yo, gason ak fanm, te viv pou lagè, epi yo tout te tradisyonalis :
"Nianthio yo, "piti lespri yo," plis pase nenpòt lòt moun, te lye nan rityèl Dialan : forè sakre, letan, Bondye-koulèv yo nan relasyon sere avèk fanmi nianthio yo nan kote konsakre yo." (Trad.) (77)
Kidonk, lagè lakay Mandeng yo, sa te fè avèk èd Lespri tradisyonèl yo :
"Kwayans nan dialan se baz pouvwa nianthio yo (...) Dialan an se yon divinite ke Gabounké a konsilte nan tout okazyon; (...) li dwe ale nan lagè kont vilaj sila oswa kont pèp sila? Pou li konnen, Gabounké a mande dialan an, ki jwe yon wòl de oracle [vwayan]. (...) Moun Kankéléfa yo pa janm ale nan lagè san yo pa konsilte Tamba Dibi; lespri sa te konn detounen wout lame sila yo ki mache sou Kankéléfa." (Trad.) (78)
Anplis de sa, nan Gabou, tout pozisyon pouvwa yo te entèdi pou mizilman yo, e enstitisyon militè Nianthio a te entèdi pou yo tou. E si yon manm nan Nianthio a te vin konvèti nan islam, li te revoke otomatikman :
"Yo te rekonèt dialan a nianthio yo kòmetan pi pwisan ki genyen. Rezondviv nianthio an, se te defann Gabou ; mizilman yo te eskli nan lame yo, epi sila yo ki vin konvèti nan islam pa t kòmande yon lame ankò. Mizilman pratikan yo fè komès, nòb la gouvène. Mizilman an pèdi dwa li ak kalite li depi li konvèti nan islam. Nianthio a te meprize mizilman an." (Trad.) (79)
Epi, pouvwa pi enpòtan Nianthio fi yo fè li enposib pou nou ta konfonn yo ak fi mizilman :
"Jan nou konnen li deja, kwayans popilè a vle ke nianthio oswa pitit lespri yo te gen kalite ak pouvwa ke yo pa jwenn lakay Gabounké nòmal yo. Epi kalite ak pouvwa sa yo te transmèt sèlman pa nianthio fanm yo. (...) Pouvw mistik Gabou a baze sou kwayans ke nianthio a se yon èt eksepsyonèl. Chak nianthio fanm genyen nan li yon pati nan pouvwa sinatirèl a Balaba oswa Tenemba.
(…)
Kidonk, nianthio fi yo, ki konstitye boujon enpòtan an, kantite li te idantitye epi nimerote. Granmoun yo, griot yo, ak nianthio yo te lokalize yo fasilman ; yo te swiv yo nan mouvman yo epi yo te venere yo ; nou dwe remake sitou ke yo te gen anpil libète, menm anpil libète seksyèl.
Nianthio fanm an te lib pou l chwazi patnè li ; an jeneral, li te konn chwazi yon prens ; maryaj la te depann de konsantman li. Li chanje patnè dèke l bouke de plasaj la. Chèf yo te toujou ap file yo. Nou dwe di tou ke trè souvan plasaj la te vin bay yon maryaj, men nianthio fi a te kapab kase sa kennenpòt lè. Kòm yo te sè prens pi fò tan, kidonk manman wa nan lavni, yo te resevwa anpil kado. Wa a te bay sè li pi plis atansyon, paske pitit [sè sa] se eritye li, pase pwòp madanm li yo ki pa nianthio." (Trad.) (80)
Konsa, pwiske trafik esklav la te kaba totalman nan Sendomeng (Ayiti) nan lane 1791, tout sòlda Mandeng ki te enpòte nan zile a te tradisyonalis. Sakifè, revizyonis yo pa ka di ke Makandal te anmenmtan yon Mandeng ansanm ak yon sòlda mizilman. Sa pa konsistan, vi ke Makandal te viv nan mitan 18tyèm syèk kretyen an. Men, ann retounen nan moman prezan an, pou nou obsève eritaj Mandeng tradisyonalis la. Li rete nan Nianthio oswa Niantcho, ki se non lame Mandeng, ki kontinye jwenn omaj nan relijyon ayisyen an. Ayisyen tradisyonalis la venere zansèt Mandeng li yo ki te soòda, nan Lwa/Jany lagè Mandeng ke yo rete Nantyou (Nantiou) oswa Nanchou.


(Vèvè Nantyou nan rityèl ayisyen an)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.548.

Nanchou oswa Nantyou gen lòt non ki se Ogoun Nanchou, E nan senkretik ak katolik, li vin tounen Sen Jak Majè, akòz de imaj sòlda ki vini ak sen an. Natirèlman, Nanchou oswa Nantyou se pa sèl Lwa/Jany lagè ki gen orijin Mandeng an Ayiti. Gen yon dal kise Kankannikan, Kanyikan, Balabala, elatriye. Men, de tout fason, eritaj espirityèl Mandeng sa pa t pou Makandal.
4) Madanm tobodop ak Wayòm Wassoulou a : Fòlklòr ayisyen genyen yon kout tanbou ki konsève nan yon chante tout kout ke yo rele Madanm tobodop. Kout tanbou sila se pa limenm ke yo idantifye kòm rit Mandeng la. Men sependan, analiz li demontre ke li se N'Gri, ki se yon kout tanbou santral epi tipik de mizik Mandeng ki soti nan rejyon Wassoulou a, ki pita te viv bay Wayòm Wassoulou (Wasoulou) a.


(Wayòm Mandeng Wassoulou a)
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Wassoulou_Empire#/media/File:Map_Wassoulou.jpg


Chante madanm tobodop la, li tèlman vilgè (gen betiz), epi li pale de pati prive fanm (san li pa mizojin, kidonk kont fanm pou otan), ke li pa t ka soti nan mizik mizilman. Sa mennen nou konkli ke kout tanbou Madanm tobodop la pwouve ke Mandeng yo nan zòn Wassoulou a te tradisyonalis lè yo te rive Sendomeng (Ayiti). E sa, se lontan anvan kreyasyon Wayòm Wasoulou a nan lane 1878. Paske sèl relijyon tradisyonèl la ka pwodwi, sipòte ak ankouraje yon tradisyon ki pa pè di betiz konsa.


4- Makandal, Pwofanatè a

Makandal te fabrike pakèt majik ki pote non li. E nan pakèt majik sa yo, li ak konplis li yo te mete bagay legliz katolik tankou pen beni, dlo benit, lansan beni, kwa, elatriye. Senkretik sila (kidonk melanj rityèl tradisyonèl ak zafè katolik) nan pratik Makandal la te lakòz yo te akize l de Pwofanatè. E 2 mwa apre egzekisyon Makandal, le Conseil du Cap, (Konsèy nan Okap la) te entèdi pakèt pwofanatè yo :
"Arrêt de Réglement du Conseil du Cap, qui défend aux Nègres de garder des paquets appelés Macandals, ni de composer et vendre des drogues.
Du 11 Mars 1758.
Sur ce qui a été remontré au Conseil par le Procureur Général du Roi, que par les déclarations faites par plusieurs Accusés de pratiques prétendues magiques et d'empoisonnements, il résultait évidemment que les paquets ficelés, appelés Macandals, ne sauraient être composés, sans qu'il y ait profanation de choses saintes; que le sacrilège s'y trouvait joint très souvent, par le mélange des crucifix qui y sont employés; que l'usage de ces paquets entraînait nécessairement la profanation, puisque celui qui s'en sert mêle l'eau bénite et l'encens dans la mistion dont il enduit les paquets..." (81)
Tradiksyon :
"Jijman Konsèy nan Okap la, ki defann Nèg yo genyen pakèt yo rele Makandal yo, ni pou yo fè ak vann medikaman. 
Nan 11 Mas 1758.
Sou sa ki te pwouve bay Konsèy la, Pwokirè Jeneral a Wa a, dapre plizyè deklarasyon ke anpil nan sila yo ke yo Akize de swadizan pratik majik ak anpwazonnman te fè, li parèt evidan ke pakèt mare yo, ke yo rele Makandal, pa ka fèt, san ke yo pa pwofane bagay sen yo;  ke sakrilèj te trouve l souvan nan yo, nan kwa ke yo melanje nan yo; ke vle pa vle, lizaj pakèt sa yo mennen pwofanasyon, pwiske moun ki fè l la mele dlo benit ak lansan nan melanj ke l itilize pou l lwile pakèt yo..."
Anpil moun ap jwenn nan itilizasyon zafè legliz katolik yo, yon siy ke Makandal te pratike relijyon tradisyonèl la, ke tout moun konnen pa gen pwoblèm itilize eleman lòt relijyon. E malgre prezans zafè katolik yo, yo pa p deklare rityèl Makandal la kretyen. Konsa tou yo pa p di sa pou relijyon tradisyonèl ayisyen an ki gen ladan lapriyè katolik, sen katolik, imaj katolik, ak kalandriye katolik. Menm jan an tou, revizyonis islamik yo konnen ke islam konsidere "shirk" tout "asosyasyon" de lòt pratik ak rityèl li. Paske islam konsidere "shirk" peche ki pi grav la. Se sèl peche ke Allah pa p padonnen apre lanmò, si sila ki fè peche sa pa te repanti pandan l te vivan. Men, menmsi yo konnen sa, revizyonis yo kontinye simaye ke Makandal te yon mizilman.


4.1- Makandal  pa t yon "marabout"

Diouf, revizyonis la, pa t okipe l de eleman katolik yo ki te melanje nan majik Makandal, lè manmzèl de deklare ke Makandal te yon "marabout" (marabou), kidonk yon majisyen mizilman :
"Makandal te pwobableman yon marabout, paske dokiman ofisyèl yo te dekri li tankou yon moun ki ka predi lavni epi ki konn gen revelasyon. Li rekoni tou pou talan l nan fè pwoteksyon majik—si tèlman ke grigri yo te gen non Makandal." (Trad.) (82)
a) Nan nivo lengwistik : nou dwe konnen ke mo "marabout" a konsève nan kreyòl ayisyen an. Sepandan, li pa gen okenn konotasyon espirityèl oswa majik, jan se ka a nan "Lafrik". Mo "Marabou" a, an kreyòl, pa dekri yon "majisyen", men yon jan de metis, kidonk Nwa ki gen san lòt ras :
"Marabou : n. Moun nwa ak cheve swa, ki sanble ak endou." (83)
Sa se sètènman yon referans a metis yo, ki pa t "Afriken" (men Mòr), ke yo te lage nan koloni Sendomeng la. E kanta pou non Makandal la, li se "Makanda" nan lang kreyòl. E li se yon jouman :
"Makanda : Lougawou, malveyan." (84)
La nou genyen yon kontradiksyon ki montre ke Makandal pa t yon "Marabout", pwiske Ayisyen gen yon chante klasik yo rele "Marabout de mon coeur" (kidonk marabou kè mwen), ki pale de lanmou pou fi metis ki nan tip "marabou" a ; tandiske, okontrè, mo "Makanda" a se yon jouman ke yo te remake menm nan tan koloni a :
"Memwa de nonm sila, ke pa gen mo ase di pou dekri l la, fè leve jouk konnya kèk lide ki tèlman grav, ke nèg yo rele pwazon ak pwazonè Makandal, e ke non sa vin tounen yonn nan jouman ki pi mechan ke yonn ka di lòt." (Trad.) (85)
Kidonk, kaptif (esklav) nan Sendomeng yo te pè pou Makandal yo pa t anpwazonnen yo oswa mare yo ak majik. Se sa k fè mo Makanda a kontinye fè yo pè jouk jounen jodiya. Kaptif (esklav) sa yo, se pa te "Marabout" ki te konn pwazonnen yo, pwiske yo renmen mo sa, lang kreyòl ayisyen an.
an) Nan nivo majik : an jeneral, nou ka di majik "marabout" islamik yo soti nan relijyon tradisyonèl la. Se poutèt sa, li pa diferan nèt de pratik tradisyonalis ayisyen yo. Sepandan, 2 majik sa yo diferan siyifikativman nan 2 aspè. 1) zafè majik islamik yo se sèlman pou defans, pandan ke zafè majik Makandal yo, (ak tradisyonalis ayisyen yo), yo bon pou defans ansanm ak atak. 2) Marabout mizilman "Afriken" yo chita majik yo, pa sou mistik "Afriken" an, men sou yon fòm ke nou pa konnen an Ayiti, ki se khawatim, oswa divinasyon mizilman an.


(Marabout senegalè k ap kòmanse majik pwotektè li a)
Sous : "Planet Fight : Senegal". Documentary. Director Aleksandar Dzerdz. URL : https://www.youtube.com/watch?v=5nxBr-mxuFg ; Capture : 41:00

Sou planch koranik yo (ki pa egziste an Ayiti), yo trase kawo oswa lozanj sou papye, epi yo ranpli kaz yo ak vèsè nan koran an ansanm ak lòt senbòl mistik :


Sous : Sulaymān ibn Aḥmad. Explication de l'œuvre d'al-Ghazali et de Nuh ibn al-Tahir al-Fulani. Tombouctou, 1800. p.21 ; URL : https://www.wdl.org/fr/item/467/view/1/21/



Sous : https://manojdev1.wordpress.com/2015/08/24/protection-totale/

Ak ekriti trase sa yo, marabout mizilman yo te pwodwi lafimen ke yo kapab simaye sou kliyan yo. Epitou, yo fabrike hatumere, kidonk, "grigri" pou pwoteksyon. Eleman pwotektè islamik sa yo, ki gen fòm ti sak (pi fò tan an kwi), yo pote yo nan kou yo. Yo chèche powteksyon ak gerizon nan vèsè nan koran an ki nan ti sak sa yo. Anplis de sa, fisèl ki kenbe ti sak yo, yo konsidere yo tankou pwotektè oswa "grigri" tou.



(Pwoteksyon majik islamik nan fòm ti sak ki gen kèk vèsè nan koran an)
Sous : Couple touareg par un photographe d’Agadez, sd – 224 APOM/114 ; in : Fonds Suzanne & Edmond BERNUS 224 APOM/1-160

Enben, tèks kolonyal yo pa janm pale de okenn ti sak majik nan kou Makandal oswa kanmarad li yo. Ni tèks kolonyal yo pa t itilize mo "hatumere" oswa "khawatim" pou yo te prezante pakèt majik Makandal yo. Okontrè, tèks yo rele pakèt sa yo "Makandal". E Makandal toujou non yon rit nan relijyon tradisyonèl la. Menm jan tou, tèks kolonyal yo rele majik Makandal la "ouanga" (wanga), yon non ki kenbe menm siyifikasyon an an Ayiti :
"Wanga n. 1. : Nenpòt bagay yon moun monte nan yon operasyon majik pou li ka fè dimal kont yon lòt moun osimon pou ka fè dibyen pou mèt afè-a." (86)
Anplis de sa, pakèt majik Makandal yo te sèvi de "garde-corps" (gad kò). E jouk jounen jodiya, yon kantite enpòtan nan Lwa/Jany yo toujou sèvi kòm "gad kò" e pou sa yo rele "Gad" oswa "Lwa Gad". Kidonk, tout referans de majik Makandal la rete nan leksik ak an rityèl tradisyonèl ayisyen an. Men, pa gen okenn tras de mo mizilman hatumere oswa khawatim, ni de ti sak islamik yo. Sa pwouve ke majik Makandal ak alye li yo pa te islamik. Anplis, yo toujou kontinye fabrike pakèt majik Makandal yo nan rityèl ayisyen an. Yon prèv de sa chita nan lefètke jij Kourtin te fè konnen ke Makandal te konn antre kwa nan pakèt li yo :
"Makandal la te premye etap nan traka a. Yo te pran abitid pwofane lansan beni, dlo benit, epi finalman menm lakwa. F. Makandal te fè nan entèwogasyon l pa Konsèy la yon deklarasyon ki merite atansyon nou. Li te vle jistifye entansyon li nan konpozisyon l de swadizan gadkò yo, e li di ke lè yo te vle mete yon kwa ladan l, li te mande moun ki te vle l la epi li te fè l [kwa a] antre nan pakèt majik li. Nou gen yonn ki fèt konsa, kote nou wè ak laterè yon kwa ki antere nan bagay la epi sa ki kenbe konpozisyon degoutan sila e ke nou ka jis wè bout nan bra li yo, tèt li ansanm ak ba ki travèse Kwa a." (Trad.) (87)
Me yonn nan jan de pakèt yo ki kontinye itilize nan tradisyon ayisyen an. Li pa gen okenn koneksyon avèk ti sak mizilman yo ke yo pote nan kou. Yo rele pakèt sa yo "Pakèt Kongo". E anpil nan yo toujou gen krisifiks nan yo, plizyè syèk apre egzekisyon Makandal :
(Pakèt (Kongo) Makandal, ki gen yon kwa ladan l)
Sous : Alfred Métraux. Le Vaudou haïtien. Paris, 1958. p.275.

Temwayaj Geneviève, yon kliyan Makandal, anseye nou plis sou ki jan yo te antre kwa yo, epitou lefètke Geneviève, ki te konn mache ak yon chaplèt katolik, pa t yon mizilman ; menm jan tou pou Makandal ki te itilize krisifiks Geneviève la nan majik li :
"Li te vle jistifye entansyon li nan konpozisyon l de swadizan gadkò yo. (...) (Makandal sila te Geneviève moun Pòmago. Nan entèwogasyon li, li te deklare ke F. Makandal te rache kwa a nan chaplèt li a. Lè li te wè kwa a kole nan Makandal la, li te di F. Makandal : "ke se te dyab la menm ke sa ye, e ke msye te di li ke l ap yon gadkò vanyan")." (Trad.) (88)
Konsa, ensèsyon objè adorasyon katolik nan pakèt Makandal yo, pa plase l nan pratik marabout islamik yo, men pito, li plase l nan relijyon tradisyonèl la ki toujou pratike an Ayiti. Menmsi sa, apade vèsè nan koran an ke yo mete nan majik yo, apwòch majik marabout "Afriken" yo konsistan kanmenm ak apwòch Ayisyen yo.
Nou dwe remake tou malonèt revizyonis yo ki gen odas reklame travay marabout "Afriken" yo kòm mizilman, lè yo konnen byen pwòp ke islam konsidere pratik marabout yo "shirk", kidonk yon ofans ki pa nan islam. Anplis, doktrin islamik la entèdi politeyis (kidonk sèvi plizyè Dye), konsiltasyon divinò, e menm mete politeyis nan lame mizilman. (89) Nan kontèks sila, nou pa ka konsidere Makandal mizilman.


4.2- Makandal pa t konn li

Ògèy rasyal te ankouraje otè anonim de 1787 la plase Makandal pi wo, paske li te yon Nwa ki te fè Blan mal. Se yon fason otè sa te jwenn, pou li te kenbe ilizyon ke Blan yo siperyorite a mas moun Nwa yp, e ke Makandal se yon ka eksepsyonèl pou yon Nwa. Otè a te mansyone ekriti arab la. Se yon reflèks ke nou jwenn nan mitan sila yo ki pa ka imajine ke moun nwa kapab genyen pwòp ekriti yo :
"Pwiske li te resevwa yon edikasyon ki pi bon pase sa yo bay Nèg yo nòmalman. Li te konn li ak ekri arab, e li pa t Nèg ki te tonbe ohaza nan esklavaj, epi ke yo te bwote nan Koloni nou yo, ki te gen menm talan an. Makandal limenm te gen yon gou djanm ak natirèl pou mizik, penti ak skilti..." (Trad.) (90)
Fò nou te tann 60 an pou istoryen ayisyen Thomas Madiou te repran, nan lane 1847, fo ekriti islamik anonim de 1787 la. 89 lane apre egzekisyon Makandal la, Madiou - ke liv li yo pa bay referans - te pretann ke li konnen nan ki kondisyon Makandal te fèt, epi ke Makandal te enstwi nan lang arab la :
"Yon konplo ki te dirije pa sila yo nonmen Makandal la, te prèske toufe tout Blan yo nan yon sèl kou. Makandal, Afriken ki te fèt zotobre, te leve nan relijyon mizilman an. Li te edike, e l te maton nan lang arab. Yo te fè l prizonye degè nan peyi li, e yo te vann li kòm esklav, bay komèsan ewopeyen yo ki te transpòte l nan Sendomeng." (Trad.) (91)
Epoutan, jij Courtin, ki te fè lwanj Makandal, pa janm di ke li te konn li. Nan bann pwazonè Makandal yo ke li te kesyone, se te sèlman yon sèl ki rele Jolicoeur, ki te apèn konn li. E jij Courtin te etone ke Jolicoeur, yon "nèg lib [pa ofisyèlman, li te yon "lib savann"] msye Brocard yo akize de tantativ sou lavi mèt li", (Trad.) (92) malgre konesans li - kwake limite - te kwè nan envensibilite majik Makandal :
"Nèg Jolicoeur a te etone de sa tou [de arestasyon Makandal la] ; li pa t, sepandan, yon moun sòt. Li te aprann li epi ak ekri yon ti kras, e li pa t manke entelijans." (Trad.) (93)
Nou dwe konprann ke jij la te gen yon fason pou l te konnen kiyès nan moun li kesyone yo konn li ou pa. Paske, li te obligatwa, nan fen chak sesyon entèwogasyon, ke moun yo kesyone a siyen deklarasyon li pou fè konnen ke sa k ekri sou li a se laverite. E menm jan ak konplis li yo, Makandal te pase anba entèwogasyon jij Courtin, ki pa t di ke Makandal te konn li oswa ekri, lè l t ap eksplike siperyorite Makandal sou kanmarad li yo.
Nou ka verifye obligasyon pou akize yo mete siyati yo anba dosye entèwogasyon yo, gras a tèks entèwogasyon Assam, yon fanm yo te akize de anpwazonnman nan peryòd Makandal la, nan mwa septanm 1757. Assam, ke yo te mande nan fen 2 sesyon separe, pou l te siyen temwayaj li, pou fè konnen ke sa ki ekri a se laverite, pa t ka siyen, paske l pa t konn li. Assam te soti nan gwoup etnik Foula oswa "Peul", ki se yon gwoup ki te konvèti anpil nan islam. Konsa, dapre lojik revizyonis yo, li ta dwe kapab siyen non li :
"Interrogation de la Négresse Assam
(...)
ET PLUS N'A ÉTÉ INTERROGÉE étant midy sonné et avons remit la continuation du présent à ce jourd'uit deux heures de relevée; lecture à elle faite du présent interrogatoire; a dit que ses réponses contiennent vérité, y a persisté et a déclaré ne savoir signer de ce en guise suivant l'ordonnance.
Signé: Courtin et Bordier, greffier commis
(...)
A DIT qu'elle regarde ce que Pompée lui avait dit comme les discours d'un homme ivre, et que de tout ce qu'il lui avait dit, elle n'en fit point état.
ET PLUS N'A ÉTÉ INTERROGÉE. Lecture faite à elle du présent interrogatoire; a dit que ses réponses contiennent vérité, y a persisté et a déclaré ne savoir signer de ce en guise suivant l'ordonnance.
Signé Courtin et Bordier, greffier commis
Soit communiqué au procureur du roy au Cap le 27 septembre 1757
Signé Courtin
Signé Bordier" (94)
Tradiksyon :
"Entèwogasyon Nègès Assam an
(...)
EPI ENTÈWOGASYON LI AN TE KANPE kòm li te midi sonnen, epi nou te ranvwaye l pou a de zè de sondaj jodiya; yo te li entèwogasyon ki fèk sòt fèt la pou li ; li te di ke repons li yo ki chita ladan l se laverite, e li te pèsiste epi li te di ke li pa t konn siyen bagay sa ke yo òdone l la.
Siiyen: Courtin ak Bordier, Komi grefye
(...)
LI TE DI ke li pran sa Pompée te di l la tankou pawòl yon tafyatè, epi ke nan tout sa li te di l la, li pa t bay sa enpòtans.
EPI ENTÈWOGASYON LI AN TE KANPE. Yo te li entèwogasyon ki fèk sòt fèt la pou li ; li te di ke repons li yo ki chita ladan l se laverite ; e li te pèsiste epi li te di ke li pa t konn siyen bagay sa ke yo òdone l la.
Siyen Courtin ak Bordier komi grefye
Te kominike bay avoka wa a nan Okap le 27 septanm 1757
Siyen Courtin
Siyen Bordier"

Rès atik anonim de 1787 la te plis tankou yon woman, kidonk yon istwa yo envante. Otè a te pale sou sipoze tandans Makandal pou kouri dèyè fi ; e ke mèt Makandal la, te renmen yonn nan menaj Makandal yo, e ke li te gen Makandal jalouzi. Anplis, otè anonim an pa t menm konnen non, ni koutim ak abitid mesye Le Tellier, ke Makandal te nan kaptivite (esklavaj) sou bitasyon l nan Lenbe. Se sa k fè, istoryen Moreau de St. Mery te gen rezon di ke atik anonim sou Makandal la, se te yon "kont". Kidonk yon lejann, yon fiksyon ki pa kanpe sou prèv. (95) Epitou, kèk tan pita, atik la te vin pibliye nan yon koleksyon de kont.


4.3- Makandal pa t pale Arab

Nan lane 1847, istoryen ayisyen an, Thomas Madiou te repran tèks anonim revizyonis la ki te gen 60 an ; sètadi ke Makandal te metrize lang Arab la, ke l te grandi nan yon fanmi zotobre, e ke anpil gason te fè l lènmi paske li te pran menaj yo. Sepandan, Madiou te pouse revizyon islamik la pi lwen, lè l te deklare, san prèv, ke Makandal te pratike relijyon mizilman an :
"Yon konplo ki te dirije pa sila yo nonmen Makandal la, te prèske toufe tout Blan yo nan yon sèl kou. Makandal, Afriken ki te fèt zotobre, te leve nan relijyon mizilman an. Li te edike, e l te maton nan lang arab. Yo te fè l prizonye degè nan peyi li, e yo te vann li kòm esklav, bay komèsan ewopeyen yo ki te transpòte l nan Sendomeng. Li te vin gen yon dividal enfliyans sou pwovens Nò a, lè l te prezante tèt li tankou yon pwofèt oswa bòkò. Pandan plizyè lane, li te reziste tout atak marechaussée a [lapolis lokal la], men li fini pa tonbe nan pyèj kèk esklav ke li te vole madanm yo. Yo te kenbe l epi lage l bay otorite yo." (Trad.) (96)
Li evidan, Thomas Madiou pa t konnen peyi egzak Makandal te soti a, menm jan tou pou relijyon li. Madiou te senpleman ap repete rimè ki t ap kouri, ansanm ak lòt enfòmasyon ki chita sou okenn prèv. Sinon, li ta va bay presizyon ke jij Courtin, pandan entèwogasyon li te mennen yo, te resevwa kèk mo majik ke Makandal te di lè li t ap fè pakèt majik li yo, ki te kontenè pou pwazon l yo. Makandal, lidè rebèl la, te repete mo "alla" a, ke li te idantifye kòm Bondye oswa Seyè Jezikri :
"Le sorcier qui le compose dit quelques paroles pendant son opération. F. Macandal dans son interrogatoire au Conseil a déclaré ces paroles qui ont paru tenir de l’idiome turc, et ou le mot alla, alla était plusieurs fois répété, et lorsqu’il parlait en français il a dit qu’il invoquait Dieu ou le Seigneur Jésus-Christ. On va voir comment on doit apprécier cette invocation." (97)
Tradiksyon :
"Bòkò ki t ap fabrike l la, te di kèk mo pandan operasyon l nan. F. Makandal nan kesyonman l pa Konsèy la te di pawòl sa yo ki te sanble soti nan lang tirk la, epi kote mo alla, alla a te repete plizyè fwa, epi lè li te pale an Franse, li te di ke li t ap envoke Bondye oswa Seyè Jezikri a. Nou pral wè ki jan nou dwe apresye envokasyon l sila."
Pawòl majik Makandal yo, kote mo "alla" a te repete, te revele "lā ʾilāha ʾillā-llāhu muḥammadun rasūlu-llāh", ki vle di "pa gen okenn lòt dye pase Allah epi Mahomèt se pwofèt li".  Sa se Chahaba a, kidonk deklarasyon lafwa mizilman an. Se akoz de pawòl sa ke bri te kouri ke Makandal te pale ak ekri Arab. Sepandan, konnen Chahada a ak mo "alla" a pa vle di ke yon moun pale Arab. Paske gwo majorite mizilman yo, e menm sila yo ki fèt nan relijyon mizilman an, pa pale Arab. Anplis, Tirk yo, ke jij Courtin te pale de yo a, pa pale Arab. Yo pale Tirk ak lòt lang nan plizyè rejyon yo. Epitou, jan nou te wè l la, Makandal pa t konn li. Ni li pa t ka siyen dosye entèwogasyon l an. Se sèlman Nwa lib Jolicoeur a ki te konn li ase pou siyen entèwogasyon l an. Konnya, nou pral wè ke konesans Chahada a pa t vle di ke Makandal te mizilman.


4.4- Makandal pa t mizilman

Enfòmasyon ke Makandal te mansyone mo "Alla" a te lakòz anpil otè, pandan plizyè syèk, depase limit nan espekilasyon yo sou Makandal, ke yo panse k te mizilman. Men, Makandal pa ka pran non mizilman jis paske l te konnen Chahada a :
"Di Shahada a pa ase pou yon endividi ta rele tèt li yon kwayan ak yon mizilman. Respè pou kat pilye nan Islam yo se yon obligasyon esansyèl ke Koran an ak Pwofèt Mahomèt mande." (Trad.) (98)
Yon lòt otè mizilman di menm bagay la konsa :
"Inite Allah nan Domèn li te konfime pa politeyis yo, yo pa t refize li, men li pa t ase pou yo te  retounen nan islam." (Trad.) (99)
Kidonk, pou nou ka klasifye Makandal oswa nenpòt lòt moun de mizilman, nou ta dwe pwouve ke l respèkte non sèlman Chahada a, men anplis de sa, ke li obeyi 4 lòt pilye islam yo, ki se :
  • Salat : 5 lapriyè pa jou yo ; 
  • Zakat : fè ofrann an ;
  • Saum : jèn Ramadan an ;
  • Hajj : pelerinaj nan Lamèk la. 
Jouk jounen jodiya, pa gen okenn tèks achiv ki demontre ke Makandal te obeyi okenn nan obligasyon sa yo.
Lòt rezon egziste ki demanti plis ankò lejann ke Makandal te mizilman an. Yo se :
1) Makandal te ka aprann Chahada nan konvèti nan islam. Konsa tou ke l te ka aprann li andeyò de yon òganizasyon islamik. Paske Chahada a repann trè souvan nan reyinyon anplennè yo, nan fòm chante repetitif. Sa se yon fenomèn ki parèt nan yon sèn nan yon seri televizyon Malyen ki rele Les Rois de Ségou (2010). Nan sèn sa, nou wè mizilman yo, nan lapriyè yo, k ap repete pawòl Chahada a byen fò, san mande rete.


(Sèn lapriyè mizilman kote Chahada a repete anplennè)
Sous : Les Rois de Ségou : Épisode 17 : Le Viol de l'Esclave. Dir : Boubacar Sidibé.  Mali, 2010 ; URL : https://youtu.be/Z4FxcfVuX8c?t=21m55s ; Timeline : (00:21:55 - 00:22:37)

Konsa, Makandal, menm jan ak kennenpòt moun k ap pase, kennenpòt kirye oswa kennenpòt moun ki twouve yo fizikman toupre kote mizilman yo ap lapriyè anplennè, kapab fasilman memorize fraz ke mizilman kwayan sa yo ap chante byen fò an repetisyon an.
2) Chahada a se deklarasyon solanèl ki di ke Allah se sèl Bondye, e ke apa li, pa gen okenn lòt bagay ke yo konsidere kòm diven. Makandal te resite Chahada a, pandan li t ap fè pakèt li yo. Sa vle di ke li te melanje Chahada a ak pratik senkretik li yo. E melanj sila ale kont mesaj monoteyis (kidonk, ki bay obligasyon sèvi yon sèl Bondye) ki se Chahada a. Paske, koran islamik la entèdi nan plizyè vèsè, asosye lòt Antite diven avèk Allah, Bondye inik la. (100) Aksyon senkristik sa, islam rele li "Shirk". E menm referans a Jezikri kòm ekivalan Allah, yo konsidere l blasfèm (kidonk pale mal) kont anseyman islamik la, ki trete trinite kretyen an kòm "Shirk". (101) Menm jan tou, pou islam, Jezikri se senpleman yon apot. Li pa yon Bondye, jan Makandal te sijere l, nan pa konprann.
"Yo blasfeme toutbonvre sila yo ki di ke Allah (Bondye) se Kris, pitit gason Mari a." (Trad.) (102)
Anplis de sa, Marianne, yonn nan konplis Makandal yo, ki te pase pa Brigitte, madanm Makandal, te kominyen (nan legliz katolik) chak 8 jou. Sa ekate :
"Nègès Marianne an ki te resevwa pwazon yo ke Makandal voye ba li pa Brigritte, madanm li, kominyen chak jou 8." (Trad.) (103)
3) Makandal pa janm mansyone Mahomèt, swa kòm yon pwofèt oswa kòm kwakseswa. Men poutan, sa se yon lòt obligasyon nan islam. Olye de Mahomèt, Makandal ak konplis li yo te plase Charlot (Chalo) dirèkteman apre Bondye :
"Li te di ke nan maten nèg yo ki te gen Makandal [gadkò] yo mete sou planche a yon pakèt ki pi gwo pase yon bra, ke yo rele Charlot, ke yo vlope nan yon moso twal blan, yo mete ajenou toutotou pakèt la epi yo resite lapriyè abityèl Legliz la, yo bo tè a epi yo leve kanpe. Brigitte, ke yo te mennen fè fas a Mercure, epi ke yo te kesyonnen sou lapriyè di maten sa, te di li te vre, men li te fèt pou griyen dan sou lapriyè Legliz yo, ke yo te resite yo devan Charlot, ke yo te bo tè a answit tankou pou adoration Lakwa a, e ke pandan yo t ap leve, yo te di ke pa gen anyen ki gran pase Bondye anwo nan syèl la ak Charlot epi, apre yo, se F. Makandal, ke ti Makandal yo gen non zanfan a Bondye, paske yo te timoun piti oswa zanfan a Charlot, Bondye yo." (Trad.) (104)
Chalo, se non pwoteksyon majik yo oswa "gadkò" yo ke yo te fabrike epi venere. Chalo yo te nan 2 gwosè : gwo Chalo yo ki te rete nan men gran initye yo ; epi ti Chalo yo ke yo te vann popilasyon jeneral kaptif (esklav) la. Epi, jouk jounen jodiya, Ti Chalo rete yon Lwa/Jany nan relijyon ayisyen an. Li jwenn venerasyon nan rit lanmò Gede a, menm jan ak Manman Brijit, madanm Makandal la.
Me yon chante sakre pou Ti Chalo :

Ti Chalo, ankò mwen malere la
O Ti Chalo, gade m se malere
O Ti Chal mouri l ale
O Ti Chal mouri l ale la...
 
4) Nan lapriyè di maten yo, kanmarad Makandal yo te konn di "qu’il n’y a rien de grand passé Bondieu en haut ciel et Charlot et, après eux, c’est F. Macandal" ; kidonk : pa gen anyen ki gran pase Bondye anwo nan syèl la ak Charlot epi, apre yo, se F. Makandal. Konsa, malgre konesans Makandal de mo "Alla" a, lidè rebèl sila, ansanm ak konplis li yo, te rele Bondye Kreyatè yo "Bondieu" (Bondye). Bondieu (Bondye oswa Bondje) se non ki toujou itilize an Ayiti pa moun ki nan tout relijyon, pou yo pale de Bondye Kreyatè a ; tradisyonalis yo di Bondye tou, oswa Granmèt la. Sepandan, non "Allah" a pa egziste nan Kreyòl ayisyen. Sa pwouve ke relijyon Makandal la te siviv an Ayiti, e li pa t islam. 
5) Pawòl an Kreyòl Makandal la : "il n’y a rien de grand passé Bondieu en haut ciel" (pa gen anyen ki gran pase Bondye anwo nan syèl la) rete nan rityèl ayisyen an, konsa : "Nanpren anyen pase Bondye nan syèl". Chante sakre sila montre sa : 


O Silibo Kjadja Mensou Lwa mwen, m ap fè Voudjou a 
O Sangayi Wèlo, m ap fè Voudjou a
Nanpwen anyen vre pase Bondje nan syèl, pou granmèsi o.

6) "Apre Bondye se Chalo, epi Makandal", te repete konplis Makandal yo. "Apre Bondye", se yon fòmil ki toujou alamòd nan relijyon ayisyen an, kote li parèt konsa "Apre Dye" oswa "Apre Bondye". 


Sous : Milo Rigaud. Secrets of Voodoo. San Franscico, 1985. p.133.

Kèk nan konplis Makandal yo te konn di "Après Bondieu c'est Macandal" (Apre Bondye se Makandal). Nan relijyon tradisyonèl ayisyen an, yo toujou itilize ekpresyon sa. Yo swiv "Apre Bondye se..." pa non yon tradisyonalis enpòtan. Yo abitye di : "Apre Bondye se..." entèl, oswa entèl ; oswa "Apre Bondye nan syèl la se..." entèl, oswa entèl (fanm kon gason). Chante sakre sila monte li : 


Apre Dye Houngan, tout Houngan yo se Houngan... 
Apre Dye Manbo, tout Manbo yo se Manbo...

Fòmil espesifik sila, tradisyonalis Ibo nan peyi Nijerya yo itilize l tou. Yo di, "After God is Dibia" (Apre Bondye se Dibia). Dibia (Dibya) se non Gran chèf relijye yo, Mèt Konesans la. "After God is Dibia", se tit liv sila sou divinasyon Ibo :


Sous : John Anenechukwu Umeh. After is Dibia : Igbo Cosmology, Divination & Sacred Science in Nigeria, Volume 1. Londres, 1997.

7) Makandal te itilize Chahada a sèlman pou l te fè majik senkretik (kidonk melanje). Li pa t itilize l,  pa devosyon relijye. E menm mizilman otodòks yo (kidonk ki pa melanje relijyon yo ak pa lòt) sèvi ak "La ilaha ila Allah" a kòm yon fòmil majik. (105) Alò, ki dire pou "marabout" ak majisyen tradisyonalis yo ki renmen ajoute plis zès nan majik yo, lè yo mete ladan l fòmil ki sòti nan kwayans kliyan yo? Makandal, ki te gen majik senkretik, ke l te ranfòse ak anpil fòs espirityèl divès kalite, pa t ezite entegre fraz mizilman li a ke l te konpare ak Jezikri, ak Seyè kretyen yo ; jan li te di li.
Nou jwenn tras Chahada a nan pratik tradisyonalis Ayisyen yo, nan rit Mandeng ke kèk moun Balan, nan Nò Ayiti pratike. Pami zansèt Mandeng yo, te genyen kèk ki te "Mori", sa vle di "marabout" afriken ki te plizoumwen islamize. Se yo menm ki te konsève fraz "Lia ilaha ila ba ilaho" a (106) nan lapriyè senkretik yo. Sepandan, fòmil defòme sila ale kont islam, paske gen envokasyon pou plizyè Lespri ki pa islamik, ki vini anvan li, e ki swiv li. Sa endike yon pratik senkretik ke islam entèdi. Pratik sentretik sila, se abitid "marabout" Mandeng yo ki kole fòmil relijye sila nan majik tradisyonèl oswa "animis" yo. Na va pale plis sou sa nan yon atik pi devan.


4.5- Makandal pa t yon "sharif"

Nan fo liv syantifik li a, revizyonis islamik Sylviane Diouf te espekile ke Nwa Makandal la ta ka yon "sharif" (charif), sa ki vle di, yon desandan dirèk Arab Mahomèt la :
"Yo te di ke li [Makandal] te yon pwofèt, sa montre ke yo te kwè ke li te gen yon koneksyon dirèk ak Bondye. Konsa, apa ke l te yon marabout, li te ka yon sharif, yon desandan Pwofèt Mahomèt (Lapè Vin Sou Li) ; men sa se sèlman espekilasyon, pwiske pa gen prèv pou konfine ipotèz sila." (Trad.) (107)
Premyèman, nou dwe souliyen ke, okontrè de sa Diouf te di, san okenn prèv la, Makandal pa t janm prezante tèt li kòm yon pwofèt, ni tankou yon anvwaye de yon Dye. Dezyèman, ipotèz ke Makandal ta yon desandan de Mahomèt la, pa fèt konsa konsa. Depi plizyè syèk, an "Afrik", griot mizilman yo te abitye aji nan menm sans la. Trè souvan, ak konplisite Wa islamize yo, griot yo te konn chanje jeneyaloji Wa yo, pou yo asosye yo a Mahomèt. Pa egzanp, Soundiata Kéïta te modifye jeneyaloji li pou l te ka pretann ke l te desandan Bilali (oswa Bilal), ki se yon ansyen esklav Mahomèt. (108) Djibril T. Niane, istoryen ki te ranmase nan men griot Mamadou Kouyaté, jeneyaloji ke yo te fè tounen mizilman an, te rekonèt ke se te yon fo jeneyaloji :
"Tankou pifò wayote nan Mwayen Aj yo, Anperè Mali yo te toujou chache pou yo te kole tèt yo nan fanmi Pwofèt la oswa omwen tache tèt yo a yon endividi ki te pwoche Nabi a.
Nan 14yèm syèl la, nou te wè Mansa Moussa retounen nan peyi Mandeng, apre pelerinaj li, ak reprezantan tribi Arab Qorechi a (tribi Mahomèt la) pou l te ka atire benediksyon Pwofèt Allah sou Anpir li. Apre Kankon Moussa, plizyè prens Mandeng te vin kopye li, espesyalman Askia Mohamed nan 16yèm syèk
." (Trad.) (109)
Menmsi li te konnen ke sa te manti, istoryen Djibril T. Niane te kontinye simaye jeneyaloji islamize Soundiata Kéïta a, nan piblikasyon save li yo. Anplis de sa, odela de fo jeneyaloji islamik kèk Wa, gen pèp an antye, nan "Afrik" de Lwès ki, ak koutmen griot mizilman yo, te abitye rann arab kreyasyon chak Wayòm yo :
"Se yon tradisyon ki byen chita lakay pèp nan Sahèl Sahara yo, pou yo gen zansèt ki soti nan Lès e ki mizilman nan tan ki pi ansyen posib. Prens Yemeni yo gen nan peyi nou yo yon dal desandan! Pami yo gen Soninké nan Wagadou yo, Mallinké nan Mali yo, Zade Koukiya, Zaghawa nan Kanem yo, Awousa nan sèt site yo, elatriye.
Rasanbleman dal orijin yo vè Lès ki se bèso islam gen yon esplikasyon evidan ki chita nan nivo konvèsyon nan islam ki prèske konplè nan rejyon sa yo jodiya (Trad.) (110)
Na va montre fo istwa islamik Anpir Wagadou (Gana) ak Kanem-Bornu (Awousa), nan yon lòt kad.


4.6- Makandal pa t yon Mahdi

Nan lane 1961 Aimé Césaire te espekile ke Makandal te yon "Mahdi", kidonk yon refòmis mizilman ke yo anonse vini li nan yon pwofesi :
"E espesyalman kiyès ki ta ka bliye ke depi plizyè ane nan Sendomeng, yon nonm, yon esklav, ki te di ke Bondye te voye l, yon Mahdi, mizilman Makendal la, t ap fè kanpay? Pa gen dout, trayi, li te pèdi, arete, woule touvivan, men pèsonn nan Sendomeng, ni nan mitan blan yo, ni nan mitan nwa yo, te bliye prediksyon l, ki pou plizyè te sanble yon prefigirasyon de lavni…" (Trad.) (111)
Pawòl sa yo sonnen byen, pou zorèy la ki pa abitye ak istwa Dayiti. Sepandan, nenpòt elèv lekòl nan primè an Ayiti kapab wè ke tèks Aimé Césaire sa pa kanpe sou anyen. Pwiske Makandal te boule vivan, li pa woule amò, jan Aimé Césaire te ekri nan pa konprann an. Anplis de sa, Charles-André Julien, ki te ekri prefas liv Aimé Césaire a, te eksprime dout li sou zafè "Mahdi" sila ke pèsonn pa konnen kote Césaire te bare avèk li :
"Mwen pap ralye m a lejann Gineyen nwa Makendal la... (...) Makendal, ke Césaire kwè li wè yon Mahdi nan li..." (Trad.) (112)
Sesidi, n ap analize tèz revisyonis Aimé Césaire a kanmenm. Pou kòmanse, annou gade sa k yon Mahdi :
"Sepandan, yonn nan konsèp ki gen orijin shiite [chiyit], kwayans nan vini Mahdī a, te antre nan islam sunni [sinit], pa nan fòm ansèyman ofisyèl tankou nan chire pit, men kòm yon kwayans nan relijyon popilè a kote Mahdī a se Mesi a ki pral retounen sou latè, [pou l] touye antikris la epi gaye lajistis nan mond la kòm li te chaje ak enjistis ansanm ak tirani. Mahdī a te parèt de tanzantan pandan plizyè syèk nan divès peyi mizilman, egzanp ki pi popilè yo se mahdī Soudanè a Muḥammad ibn ˓Abdallāh ak Somalyen Muḥammad ibn ˓Abdule a." (Trad.) (113)
Kidonk, Mahdi a se ta va yon mesi k ap retounen sou latè pou li touye Antikris la. Sa gen pwoblèm ladan l, paske pa gen okenn moman, pandan 2 jou entèwogasyon Makandal la, kote li di jij Courtin ke li swa yon Mahdi, ni swa yon mesi, ni ke le li te vle konbat Antikris la oswa dyab la. Okontrè, memwa jij Courtin an revele ke Makandal ak konplis li yo te rele pratik yo "Faire Diable" ("Fè Dyab") ; pandan ke yo te rele kote yo fè pratik yo : " Case à Diable" ("Kay a Dyab") :
"Bòkò yo, oswa swadizan divinò yo, selebre makandal yo ; genyen piti yo ak gwo yo, kay kote li fèt, yo rele la caze à Diable [kay a Dyab la], pi yo rele seremoni a faire Diable [fè Dyab], dapre Nèg yo. Prèv ke pwofànasyon de bagay sakre yo, se pa rezilta inyorans yo, men move pratik ki rive jouk nan sakrilèj." (Trad.) (114)
Klèman, pratik relijye Makandal ak konplis li yo te ale ekstrèman kont konsèp mizilman yo rele Mahdi a. Men, annou pouse pi lwen. Ann konsidere ka peyi Soudan, ki nan lane 1881 te genyen yon Mahdi, Mohammed Ahmed, ki te mete kolon yo deyò nan peyi l :
"Mahdi (byen dirije a) : Ti non refòmè ak nasyonalis Soudanè Muhmmad Ahmad la (1844-1885). Yon natif natal Dongola sou flèv Nil la, nan Nò Soudan, li antre nan yon fratènite epi li te rasanble kèk disip (talibés) nan ti zile Aba a, sou flèv Nil Blan an. Nan 29 jen 1881, li te pran tit Mahdi a epi li te sanble disip li yo pou fè Angle ak Ejipsyen yo bat zèl yo nan peyi a, epi li tabli yon eta ki baze sou islam orijinal la ak konvèsyon animis yo." (Trad.) (115)
Makandal te sètènman gen menm objektif militè sa, 133 lane pi bonè, kèk kapab di. Men, ki sa yo di sou : Esklavaj? Relijyon leta? Animism (kidonk relijyon tradisyonèl la)? Plas fanm? Fèt ak danse? Bwè alkòl? Manje kochon? elatriye.
a) Esklavaj : Makandal te yon opozan feròs esklavaj nan Sendomeng nan lane 1740-1758. Nan Soudan, nan lane 1860 yo, okipan Angle ak Ejipsyen yo te aboli esklavaj :
"Jiskaske li te sispann piti pa piti nan lane 1860 yo, esklavaj te komès ki te pi pwofitab nan Soudan... (...) Anba presyon Lagrannbretay, Ismail te pran mwayen pou l elimine komès esklav la nan nò peyi ki rele Soudan jounen jodiya." (Trad.) (116)
Sepandan, Mahdi Mohammad Ahmed te retounen esklavaj nan Soudan pi rèd :
"Nan 1870 Mahdi a te pwoklame ke esklavaj te vin yon enstitisyon lejitim. Pandan dezyèm mwatye nan 19yèm syèk la, yo estime ke te gen ant 5000 a 6000 esklav ke yo te transpòte chak ane nan rejyon Darfour vè peyi Lejip, e ke wout ki soti Soudan pou rive nan Lamèk la, piti piti, te jwe yon wòl enpòtan, tou..." (Trad.) (117)
Sou zafè esklavaj la, Makandal pa t pataje menm valè ak Mahdi a.
an) Eta ki baze sou islam : Nan goumen l t ap mennen pou l mete kolon yo deyò, Mahdi Soudanè a te travay pou "tabli yon eta ki baze sou islam orijinal la". Sepandan, Makandal te fè konnen ke li t ap travay pou kouri dèyè blan epi ranplase yo pa nwa. Makandal pa t janm di, ankenn kote, ke li te genyen dezi etabli yon eta mizilman. Plis pase tout bagay, objektif li te rasyal.
b) Animism (kidonk relijyon tradisyonèl la) : Islam konsidere melanj relijye "shirk". Mahdi nan Soudan an t ap chache, nan eta nouvo li a, "konvèti animis yo". Men, Makandal te toujou fè pratik animis ; ansanm ak senkretik (lè l melanje zafè katolik ladan l).
ch) Plas fanm : Mahdi a t ap defann yon retou vè islam orijinal la. Yon islam ki pi sevè. Se sak fè nan rejyon anba pouvwa li, fanm ak gason pa t ka mele ansanm an piblik. Men, nan mitan kanmarad Makandal yo, fanm te egal ego ak gason. Konplis Makandal yo te konn fè 2 kalite reyinyon : yon gwo "fèt" kote tout moun kapab patisipe. Epi yon ti "fèt" ki plis rezève, kote sèlman gran inisye yo te ka patisipe. E fi te patisipe nan reyinyon majik-relijye sa yo, pandan yo te toutouni amwatye, ansanm ak gason yo ki te toutouni nèt  :
"Gwo fèt la te sanble ak lectisternium Women yo. Tout inisye yo te reyini nan yon plas kote yo santi yo byen an sekirite. Yo mete yon Makandal ki tankou yon bra gade pòt la,  pou elwaye pwofàn yo. Tout Nèg yo te toutouni, nègès yo te sèlman gen yon mouchwa ki antoure kò yo, tankou lè y ap lave." (Trad.) (118)
Anplis, fi yo te fèt plis ke jis asiste nan fèt Makandalis yo. Souvan se yon fanm, yon manbo, oswa prètès tradisyonèl, ki te dijere fèt sa yo, dapre tradisyon relijyon zatray la ki egalitè, e ki pa mizojin. Kidonk ki pa rayi fi :
"Gran pètrès la te chita atè a e li te prezante bay gran majisyen gason an tout Makandal yo ke l te kenbe nan men l, ki te vlope nan yon mouchwa ak yon chapo e ki te byen wouze ak dlo benit." (Trad.) (119)
Mahdi Soudanè a, okontrè, li te oblije ke fanm yo mete yo apa. E islam, tankou lòt relijyon Abrahamik yo, (kidonk ki soti nan tradisyon Abraham an), entèdi fanm òganize sèvis relijye.
d) Fèt ak danse : Makandalis yo te konn danse kalennda ansanm. Se sitèlman vre ke yo te arete Makandal nan yon dans kalennda. Sepandan, Mahdi Soudanè a te renome pou entolerans li pou danse, ke li te konsidere kòm yon aktivite ki ale kont islam. E entolerans li pou danse te tèlman gran ke sa lakòz yo te mete l deyò nan lekòl koranik, lè l te jèn :
"Gran avantaj Mohammed Ahmed nan mennen zòt venere pèsonalite li chita nan pyete li, nan devouman relijye pwofon li, sa ki te rann li yonn nan elèv prefere pwofesè l yo… men gen yon moman kote atitid relijye pafè li a te mennen konfli. Mohammed Ahmed te reprimande yonn nan pwofesè li yo ki te pèmèt chante ak danse nan yon fèt. Li te gen opinyon ke aktivite sa ap bay Bondye kè plen. Nan kont ak konfli ki swiv la, yo te di Mohammed Ahmed ak mo ki di anpil pou li kite lekòl la. Sa te kase kè pwofesè li... (...) Men, disip sila te reprimande l nan prezans granmoun yo ansanm ak zotobre lavil la. Mete l deyò lekòl la te sèl fason pwofesè a te ka kenbe otorite l ak prestij li." (Trad.) (120)
Men, Makandal te renmen danse. Li te patisipe nan yon fèt dans kalennda nan bitasyon Dufresne, nan Lenbe, kote yo te arete l.
e) Bwè alkòl : Yo te arete Makandal pandan li te sou nètalkole :
"Yon jou nèg nan bitasyon Dufresne yo, nan Lenbe, te òganize yon kalennda la ki te foul. Makandal ki te abitye ak yon enpinite manch long, te antre nan dans la.
Yon jenn nèg, petèt akozde enpresyon ke prezans mons sila te genyen sou li, te deside avèti msye Duplessis, apantè a, ansanm ak msye Trévan ki te sou bitasyon sila, e ki te fè yo tèlman simaye tafya [alkòl fò], ke tout nèg yo te vin sou, epi Makandal malgre prekosyon li, te rive pèdi rezon li.
Yo t al arete li nan yon kay a nèg, e de la, yo te kondwi l nan yon chanm nan yonn nan kwen kay prensipal la." (Trad.) (121) 
Bwè alkòl se, san jwèt, yon konpòtman ki entèdi nan islam, e ki ta va bay yon Mahdi degoutans. Non Mahdi a ki vle di "gid" oswa mesi mizilman. Yon tit ke, poutan, Makandal pa t janm reklame, ni mansyone. Anplis, nan reyinyon yo, Makandal ak gran pratikan yo te konn ofri manje ak tafya, kidonk alkòl fò, bay Lespri pwotektè yo (Makandal yo). Epi yo te manje menm manje sa yo ki te vini ak alkòl. Sa se te pratik, dapre deskripsyon Jij Courtin an, ki te konn fèt nan "gwo fèt" yo, ki te rezève pou pi gwo chèf relijye yo :
"Yo te fè anpil diskou nan fèt sila. Yo te di ke pa gen anyen ki pi gran sou latè pase Bondieu (Bondye), epi apre Bondieu, se F. Makandal. (...) Yo mete, nan yon lòt ganmèl, poul bouyi ak diri, lanmori, tafya. (...) Yo te bay yo [Lespri Makandal yo] yon tan rezonab pou yo manje yo epi asistan yo manje rès yo." (Trad.) (122)
Menm jan an tou, nan "ti fèt" yo ki te aksesib a pi plis moun, Makandalis yo te konn bwè alkòl nan yo tou :
"Ti fèt yo te mwen ra, tout inisye yo rasanble nan yon joupa, sou yon tab oswa yon bwat, yo mete dlo benit ak kwa ak yon nap. Epi lè yon endividi rive, yo sere makandal yo, epi yo resite lapriyè, epi answit yo repran pratik yo, (...) epi yo fè makandal yo danse, epi sa fini nan fè bri ak nan bwè jouk yo sou anba tafya. " (Trad.) (123)
Nan egzanp sila, ke jij Courtin te pran dirèkteman nan bouch Makandalis yo, e ke li te verifye, pa gen dout ke Makandal ak konplis li yo te pratike fòm ki pi otantik nan relijyon tradisyonèl la.
è) Manje vyann kochon : Kolon Monnereau a, te asosye vòlè zanmino (ki gen kochon ladanl) ak Makandalis yo, jan li te rele yo :
"Yo [Makandalis yo] te genyen, anplis, yon gwo talan pou vòlè bèf, mouton ak kochon nan pak yo, malgre chen e menm Gadyen ki nan baryè a. (Trad.) (124)
E pwiske islam bay lòd evite tout kontak ak vyann kochon, Makandalis sa yo pa t ka mizilman. Epitou, yo pa t ap pran risk konsiderab sa yo, ki ka menm fatal, jis pou yo t al vòlè kochon. Nou gen prèv ke Makandalis yo te manje vyann kochon. Monnereau te di ke menm Makandalis sa yo abitye fè seremoni fineray gi gen dans, kote fi ak gason melanje, yo bwè alkòl (125) epi yo sakrifye kochon, e yo manje vyann an alafen. (126) Kidonk, kennenpòt jan nou gade l, Makandal pa t yon Mahdi.



5- Makandal, Pwazonè a

Ki metriz reyèl Makandal ak konplis li yo te genyen de pwazon yo? Epi zak anpwazonnman Makandal yo, èske yo te gen yon lyen ak islam? Antanke yon pwopagandis entelijan, revizyonis Sylviane Diouf la, nan demach li pou l te rann anpwazonnman Makandal yo mizilman, te kòmanse tèz li a ak yon deklarasyon ki di ke Makandal te yon mizilman, e ke mizilman yo te gen repitasyon kòm simayè de laperèz :
"Mizilman sa yo, yo te rekonèt yo byen e te pè yo, men pi popilè a nan lidè mawon yo anvan Revolisyon an se te san okenn dout Francois Macandal. Macandal te yon travayè nan jaden, yo te itilize l sou yon plantasyon sik." (Trad.) (127)
Agiman Diouf la pa vre, paske pa gen okenn referans de sa nan achiv Sendomeng yo. Moreau de St. Méry, ki te trase pwofil pèp ki te plizoumwen gen kontak ak islam nan Sendomeng, pa t janm pale de karaktè ki bay kraponay ke revizyonis Diouf la te lage sou do yo. (128) Diouf, tankou anpil lòt revizyonis, te baze sou move repitasyon kèk gwoup etnik islamize te ka genyen nan koloni espanyòl yo, pou yo pale de gwoup etnik sa yo nan yon jan ke yo pa t aji nan Sendomeng. An reyalite, laperèz Makandal te simaye a, kolon nan Sendomeng sila te defini l ak mo sa yo :
"MAJISYEN, fi, oswa gason ki fè pwofesyon, epi ki pase nan mitan pèp la pou yon moun ki sèvi ak majik. MAJIK, sf, elatriye, elatriye. Macandal. Non ki soti nan yon chèf bann nèg, ke yo rele konsa, epi ki, ak konesans ke l te genyen de plant ki gen pwazon yo, te fè ravaj yo pa janm wè konsa anvan ; li te kominike konesans li yo, e li te vle sèvi ak yo pou detwi blan yo. Depi epòk sa, tout sa ki sanble Sinatirèl, swa fizikman, swa nan demagoji, elatriye, se macandal. Pwazonnman te sitou rele macandal.
(...)
SÒSYE, [Bòkò] s., fi oswa gason ki, nan opinyon sa ki fèb yo, te fè yon pak ak dyab la, elatriye, Macandal. Kreyòl yo rantre espesyalman nan klas pwazonè yo." (Trad.) (129)
Kidonk, kolon S.J. Ducoeurjoly a te plase laperèz la ki mache ak non Makandal, sou do majik tradisyonèl "dyabolik" la, e pa sou islam. E menm jounen jodiya, an Ayiti, mo kreyòl "Makanda" la kenbe menm sans malefik la, e yo kontinye asosye l ak relijyon tradisyonèl la. Men nou doute anpil ke revizyonis islamik yo ki pran reklame reyisit Makandal yo ap vle repitasyon malefik la ki mache ak non li.


5.1 - Makandal pa t entwodwi pwazonman nan Sendomeng

Odasyez, Diouf te pretann ke Makandal te montre lòt kaptif (esklav) yo ki jan pou yo bay pwazon :
"Pandan dizwit lane Makandal te mawon, li t ap viv nan mòn yo, men li te konn desann anpil fwa sou plantasyon yo pou l simen lanmò. Li te òganize yon rezo ak patizan devwe li yo epi li anseye esklav yo kijan pou fè pwazon, ke yo te itilize kont mèt yo oswa kont lòt esklav yo pou yo te rwine pwopriyetè esklav yo." (Trad.) (130)
Agiman sa pa vre, pou rezon sa yo :
a) Anpwazonnman gen plis pase 13000 lane nan "Lafrik". Se poutèt sa, kaptif (esklav) nan Sendomeng yo pa t bezwen Makandal pou aprann atizay anpwazonnman an ki te yon abitid nan kontinan kote yo soti a depi plizyè milenèr. 13 mil lane de sa, nan kontinan zantray la, espesyalman nan peyi Tanzani, nan Zile Unguja a, nan yon kav yo rele Kuumbi, pou lachas ak lagè, yo te konn sèvi ak flèch ki fèt ak zo tranpe nan pwazon :
"Teknoloji zo yo te esansyèl nan mòddevi nonm nan Lajdepyè yo epi sa te pwouve ke yo te sèvi avè l 60,000 ane de sa.
Yo te jwenn majorite prèv de sa nan sit nan Sid Lafrik, men konnyè a objè ansyen ki gen 13,000 an ke yo te jwenn nan yon gwo gwòt an kalkè yo rele Kuumbi, te montre ke teknoloji sila yo te adopte l nan Lès Lafrik tou." (Trad.) (131)
Me prezantasyon flèch pwazonnen pre-istorik yo ke yo te jwenn nan Tanzani :


(Flèch pwazonnen pre-istorik)
Sous : Michelle C. Langley et al. 2016. Poison arrows and bone utensils in late Pleistocene eastern Africa: evidence from Kuumbi Cave, Zanzibar. Azania: Archaeological Research in Africa 51 (2): 155-177; doi: 10.1080/0067270X.2016.1173302

an) Bay pwazon nan Sendomeng te la anvan Makandal. Paske nan mwa jen 1723, kidonk 35 lane anvan egzekisyon Makandal la, Colas Jambes Coupées (Kola Janm Koupe), yon gwo pwazonè te itilize majik, epi yo te kondane l ansanm ak konplis li yo pou yo kase yo touvivan :
"Colas Jambes Coupées [Kola Janm koupe], esklav Msye Doze, ke yo tèlman tande pale de li depi kat a senk lane akozde mawonaj li yo nan pati espanyòl la, ansanm ak sediksyon ak kidnaping lòt Nèg ; chèf nan kabal ak zam, vòlè nan granchimen, anpil jou ak lannwit, nan katye Bwadlans ak Mònamantèg, atake menm blan, li gen plizyè enfòmatè ak korespondans sekrè pou aboli koloni yo ; responsab oswa konplis ki enplike nan kabal a Cézar, Jupiter, Louis ak Chéri ke yo te bay lanmò kòm pinisyon ; akize, anplis, de malefis ak majik, paske anpil fwa li te chape anba chenn ak prizon apre li te pwazonnen plizyè Nèg." (Trad.) (132)
Nan 7 fevriye 1738, kidonk 2 zan anvan mawonaj Makandal la ki te rive nan alantou 1740, epi 17 lane anvan kòmansman pwazonnman masif ke Makandalis yo te òganize an 1755, Konsèy Okap la te òdonnen '"ARRÊT en Réglement du Conseil du Cap, touchant les Poisons ; et qui ordonne l'exécution de l'Édit du mois de Juillet 1682." (LWA Konsèy Okap la, konsènan Pwazon yo ; e ki bay lòd egzekisyon Lwa nan mwa Jiyè 1682 a.) (133) E atik lwa sila te : "défenses aux Chirurgiens, Apothicaires et Droguistes, de confier ni laisser aux Nègres, leurs Esclaves, lesdits poisons, drogues et compositions, sous prétexte qu'ils travaillent de Chirurgie..." (defann Chirijyen, Famasyen ak Konpozè medikaman yo, lage nan men Nèg yo, ki esklav yo, pwazon, medikaman ak melanj, nan èkskiz ke yo travay nan fè operasyon...). Sa montre ke atizay fatal ki se bay pwazon an, se pa t envansyon Makandal.
b) Arada yo (tradisyonalis) te gen repitasyon pi gwo pwazonè. E tout tèks nan Sendomeng di ke kaptif (esklav) Arada yo (ki soti nan Dawomen-Benen), te pi gwo pwomotè relijyon tradisyonèl la :
"Men, se pa sèlman tankou yon dans ke Vaudoux [Vodou] merite ke yo konsidere l, oswa omwen li akonpaye pa sikonstans ki bay l yon plas nan mitan enstitisyon yo kote sipèstisyon ak pratik bizar jwe yon gwo wòl.
Dapre nèg arada yo, ki se sèl vre pratikan Vaudoux [Vodou] nan koloni an, epi ki kenbe prensip yo ak règleman li yo, Vaudoux [Vodou] vle di yon èt ki gen tout pwisans, e ki sinatirèl, ki gen kontròl tout evènman k ap pase sou latè.." (Trad.) (134)
Epi, S.J. Ducoeurjoly pa t prezante gwoup etnik ki islamize yo, men li te prezante Arada tradisyonalis yo kòm moun sila yo ki te chèf konesans pwazon yo :
"Arada yo espesyalman, te konpoze, ak venen kèk ensèk, yon pwazon ke nou poko jwenn remèd pou li." (Trad.) (135)
Anplis, Ducoeurjoly, ki te temwen ak zye li, e ki te tèlman konnen sitiyasyon nan koloni a ke l te anseye l nan yon liv ki gen de 2 tòm, te asosye anpwazonnman a "dal dye yo" oswa a "dal demon yo". Sa vle di, li te asosye bay pwazon a relijyon tradisyonèl "politeyis" la (kidonk relijyon ki gen anpil Dye a). E li pa t asosye l a islam ki monoteyis, kidonk ki sèvi yon sèl Dye :
"Ils n'essaient point leurs poisons sur les blancs, ils sont persuadés que le succès dépend de la puissance de leurs dieux ou de leurs démons, qui n'en ont aucune sur nous." (136)
Tradiksyon : 
"Yo pa t eseye pwazon yo sou blan yo, yo te konvenki ke siksè a depann de pouvwa dal dye yo oswa dal demon yo, ki pa gen ankenn pouvwa sou nou."
Pita, nan fen ane 1790 yo, ak kòmansman ane 1800, kolon Descourtilz la te asosye kaptif (esklav) etni Arada yo a anpwazonnman. Pawòl li a te baze sou arestasyon yon kaptif (esklav) pwazonè ki te rele Samedi (Samdi). Samedi te kondane pou yo boule li touvivan. E li t ap viv sou bitasyon Rossignol-Desdunes, ki se bitasyon pwòp fanmi Descourtilz :
"Tout nèg yo, men espesyalman Arada yo, abitye itilize pwazon pou yo vanje yo de lènmi yo. Yonn nan yo te rele Samedi, ki te rete sou bitasyon Rossignol-Desdunes nan katye Latibonit la, kote mwen te ekri memwa sa yo, te jwenn yon fason pou li pwazonnen de pitit lènmi li... (...) Apre yo te rache nan cheve l, plizyè kòn an papye ki te gen yon poud gri, akize a te konfese ke l se pwazon nan menm jan ak sa li te itilize kont timoun yo, e li te rezève l pou tèt li, pou l te ka chape doulè terib tòti yo prepare pou li a. Li te montre anplis, nan yon konfesyon total kapital, zong 2 pous li ke l te kite pouse anpil tan, epi ke l te kole pwazon anba yo, pou l ka itilize si sa nesesè." (Trad.) (137)
Epitou, Descourtilz te pale de yon fanmsaj Arada, nan menm bitasyon Rossignol-Desdunes la ki te touye omwen 70 tibebe ki te fèk fèt, paske li te vle epanye yo sò terib ki se esklavaj la. E dapre pawòl pwazonèz la, pwazon te yonn nan zouti li :
""Gade, li te di, si mwen merite sò mwen an ; swasanndis ne sa yo ki plen sentiron sa, yo reprezante kantite timoun mwen touye ak pwòp men mwen, swa ak pwazon oswa pa yon fason mabyal ke m te bay tèt mwen yon devwa pou m te retire tilezanj sa yo nan yon lesklavaj malè. (…) M ap mouri ak kè kontan kounye la ke m pa gen anyen lòt pou m konfese, epi m pral rejwenn nan peyi m, tout sa m te kite." Apre pawòl sa yo, li jete kò li ak konviksyon nan flanm dife rouj la, kote li te vit tounen sann, nan rele ak doulè terib." (Trad.) (138)
Konsa, pwazonèz tradisyonalis Arada sila te plonje ak kouraj nan boukan dife a pou ke, lè l mouri, li ap retounen ak kèpòpòz lakay li, nan tè "Lafrik". E sa demanti byen demanti pawòl san prèv Diouf yo. Paske kaptif (esklav) islamize yo pa t mèt syans pwazon an nan Sendomeng. Epitou, jan de anpwazonnman espesyal tradisyonalis Arada yo toujou konsève nan tradisyon majik ak relijye ayisyen an.
ch) Makandal pa t menm pi gran pwazonè nan zile a. Se te Jean à Tassereau. Jij Courtin te anonse nan remak sila :
"Yon nèg yo te rele Jean à Tassereau, patnè epi gwo zanmi F. Makandal epi pi gran pwazonè pase l, e, apre li te nan chire pit ak F. Makandal, te pati al viv ak fanmi li nan mòn Okap yo, kote yo te arete l." (Trad.) (139)
Li evidan, ke si Jean à Tassereau te "pi gran pwazonè" pase Makandal, e ke li te nan chire pit ak Makandal, tèz revizyonis sou Makandal la tonbe tout antye. Paske tèz sila baze sou pouvwa san fen Makandal ki ta sipoze yon mizilman simayè de konesans revolisyonè islamik nan mitan mas kaptif (esklav) ki te sòt epi mòlòlò. Men relasyon yingyang sa ant Jean à Tassereau ak Makandal se pito yon prèv ke pratik simen pwazon an te soti nan konesans zantray la. Men syans bay pwazon an te rete nan men gran initye yo ki te òganize nan gwoup initye oswa sosyete sekrè. Menm jan li ye jouk jounen jodiya nan rityèl tradisyonèl ayisyen an.
d) Nan "Lafrik", Ibo yo, ki se tradisyonalis, te maton nan pwazonnen. Nwa islamize nan Sendomeng yo te lwen pou yo ta envante, ni anseye syans bay pwazon an bay lòt yo, pwiske simen pwazon te yon reyalite pou popilasyon nwa a depi nan "Lafrik". Yon moun nwa ki te wè sa ak pwòp zye li, se te Olaudah Equiano. Msye te yon ansyen kaptif (esklav) Ibo ki te vin yon otè abolisyonis, kidonk ki te aji kont lesklavaj. Li te ekri ke anpwazonnman te gaye anpil nan Igboland (ki nan Sidès peyi yo rele Nijerya a, jounen jodiya). Dapre Olaudah Equiano, nan tan l te jèn, jouk rive lè yo te mete l anba kòd (1745-1754), Ibo yo te konn itilize pwazon nan fè lagè
"Banalite sila se souvan teyat ki se fè lagè a ; kidonk, lè pèp nou an al travay latè, yo pa sèlman ale ak 2 men yo, men an jeneral yo pran zam ak yo paske yo pè jwenn ak sipriz ; epi lè yo sispèk yon envazyon, yo fè pwoteje wout ki mennen lakay yo, ak pik ke yo plante nan tè a, ki sitèlman file nan yon pwent ke yo kapab pèse pye, epi yo jeneralman tranpe yo nan pwazon." (Trad.) (140)
Pik anpwazonnen sa yo ke tradisyonalis Ibo yo te konn plante atè pou defans yo, nan peyi yo, sa se yon pratik ki toujou itilize nan plizyè bouk an Ayiti. Sa se yon lòt prèv ke syans bay pwazon an soti nan eritaj tradisyonèl la. Epi toujou dapre Equiano, pwazon, ki se lizay majisyen (tradisyonalis) Ibo yo, te toujou pratike pa nwa nan Zantiy yo :
"Malgre ke nou pa t gen plas piblik pou fè adorasyon, nou te gen prèt ak majisyen, oswa saj... (...) Yo te kalkile tan nou, e te anonse evènman ki gen pou rive... (...) Majisyen sa yo te doktè oswa medsen nou tou. Yo te pratike senyen pa mak sou kò ; epi yo te gen anpil siksè nan geri blesi ansanm ak wete pwazon. Konsa tou, yo te gen yon fason espesyal pou yo te dekouvri jalouzi, vòl, anpwazonnman ; (...) Mwen pa sonje kisa metòd sa yo te ye, eksepte ke pou anpwazonnman ; Mwen sonje yonn oubyen de egzanp, ke m espere pa p enpètinan pou m pale de li isit la, paske sa ka sèvi kòm yon echantiyon de ansanm an, epi nèg nan Zantiy yo toujou sèvi ak yo." (Trad.) (141)
Anplis de sa, lizay pwazon te tèlman gaye nan Iboland, oswa peyi Ibo, ke nan lavi chak jou, tout moun te pè pou pwochen yo pa t pwazonnen yo :
"Natif natal yo te pridan nèt sou pwazon. Lè yo achte manje, machann an bo li toupatou devan achtè a, pou li montre l ke li pa anpwazonnen; epi menm bagay la te fèt lè yo ofri kennenpòt vyann oswa bwason bay zòt, espesyalman si se yon etranje." (Trad.) (142)
Kidonk, si pandan Makandal ak konplis li yo t ap sèvi ak pwazon nan Sendomeng, pwazon te deja gaye anpil nan peyi Ibo, lè Equinano te la (1745-1754), yo pa ka di ke Makandal envante bay pwazon, ni ke l te gen eksklizivite lizay sa nan Sendomeng. E pwiske Ibo yo te tradisyonalis, anpwazonnman dwe tradisyonalis tou. E apade pwopagann malatchong revizyonis yo, pa gen okenn prèv ki konekte simen pwazon ak islam, nan koloni Sendomeng la, oswa lòt kote nan Amerik yo.


5.2- Makandal, èske li te fabrike pwòp pwazon li ?

Makandal ak konplis li yo te rele pwazon yo ak majik ki akonpanye li "Ouanga", ki ekri Wanga an kreyòl. Tèks Jij Courtin an te aprann nou ke tout pwazonè yo ke li te kesyonnen, ansanm ak Makandal tou, te rele majik ak pwazon yo "Ouanga" :
"Yo mete Makandal la [objè majik la] ki chaje ak madichon anba yon gwo wòch, e pa gen okenn dout ke sa voye move chans sou sila yo vle a. Sepandan, li pa t kwè ke sa ta p bay li lanmò oswa fè li rete sou kabann, men sa ap fè yo rayi li, fè yo blese l epi ba li tout kalite malè. Men, pou fè kò yo kraze, yo dwe, dapre ekspresyon yo, pwoche li, sa ki vle di fè li pran ouanga oswa pwazon, ki se sinonim (kidonk ki vle di menm bagay) pou sila yo ke nou te kesyonnen yo." (Trad.) (143)
Anpwazonnman "Ouanga" (Wanga) Makandal la te fèt ak fèy ki bay pwazon. Malgre lefèt ke jij Courtin te rele rapò li a : "Mémoire sommaire sur les pratiques magiques et empoisonnements prouvés aux procès instruits et jugés au Cap contre plusieurs Nègres et Négresses dont le chef, nommé François Macandal, a été condamné au feu et exécuté le vingt janvier 1758" (Rapò an rezime sou pratik majik ak anpwazonnman ki pwouve yo nan pwosè save yo epi jije nan Okap kont plizyè Nèg ak Nègès ki gen kòm chèf, sila yo rele François Macandal la, ki te kondane pou pran dife epi egzekite nan dat ven janvye 1758 la), 18 lane apre egzekisyon Makandal la, otè Hilliard d'Auberteuil, an 1776, te doute ke pwazon "Ouanga" yo te fèt ak fèy. Li te doute ke Makandal ak konplis li yo te fabrike pwòp pwazon yo. Dapre li, olye de sa, Makandalis yo te jwenn asenik nan zafè doktè ak famasyen yo :
"Pwazon an, ki depi ven lane te fatal pou si tèlman endividi nan zonn Okap yo, se pa ak fèy yo te fè yo; li pa yon sekrè, yon majik (Ouanga) jan pèp nan koloni a kwè l, nan estipid. (...) Nou ka wè nan Rejis Konsèy Okap la, pwosedi kriminèl yo kont Macanda, Pompée, Angélique, Brigite, Laurent, ak lòt yo ke yo te boule depi lè sa ; yo tout te sèvi ak asenik ansanm ak mèki." (Trad.) (144)
Nan lane 1909, otè Pierre de Vaissières te kore agiman Hilliard d'Auberteuil la, lè li te klase kòm "lejann" lide ke Makandal ak konplis li yo te fè pwòp pwazon yo :
"Malgre temwayaj fòmèl sa yo, lejann ki pale de pwazon sekrè ke nèg yo te pwodwi te toujou ap repete nan Sendomeng." (Trad.) (145)
Me, depi le 8 avril 1758, ki se 3 mwa apre egzekisyon Makandal la, Konsèy Okap la te pibliye  '"ARRÊT du Conseil du Cap, qui, de l'agrément des Administrateurs, ordonne, sur des Empoisonneurs condamnés, l'essai des poisons et contrepoisons par eux indiqués, et pièces relatives." (JIJMAN Konsèy Okap la, ki, ak apwobasyon Administratè yo, bay lòd, pou yo eseye sou pwazonè ki kondane yo, pwazon, antidòt ke yo pral devwale, ansanm ak lòt zafè ki gen rapò ak sa.) (146) Jijman sila te pèmèt doktè yo teste pwazon ak antidòt yo ke Makandalis yo te revele nan kesyònman yo. Twa pwazonè yo te arete, ki te rele Samba (Sanmba), Colas (Kola) ak Lafleur (Laflè) te sèvi kobay pou tès sa yo. Tès pwazon yo ki te fèt le 13 ak le 15 avril 1758 yo te bay bon rezilta :
"Doktè ak Chirijyen yo te prete sèman nan men Mesye Lambert, le 13, epi le 15 avril 1758 ; men yo pa t reponn a konfyans Tribinal la ; yo te annik fè yon bouyon jounal nan dat 24 a 31 Me, san siyati, ki anonse ke yo te bay yonn nan Nèg yo ke, yo pa t lonmen, yon melanj ki te fèt ak demi ons de yon grenn òdinè nan Amerik la. Gen lè ke inè apre sa, Nèg la te vin pa ka bouje, san konesans, epi lang li vin gwo, saliv li fè yon pat ki kolan, li bay yon larim jòn nan nen l, epi li vin retounen nan eta natirèl li akoz de remèd ki sanble ak Paracelse (Parasèls) ansanm ak kèk gout yon bwason volatil ki fèt ak Sylvius aasanm ak Lilium : men pyès degrenngòch sila pa fèt pou enspire konfyans ki ta pi fèb la." (Trad.) (147)
2 mwa pita, korespondans 24 jen 1758 la te revele ke Makandal te konpoze pwòp pwazon li ak zèb. Yo te teste pwazon Makandal yo sou chen. E pwazon sa yo te gen 3 kalite ki te aji swa vit, swa ak vitès mwayen oswa an ralanti :
"François Macandal te dekouvri twa kalite pwazon, e gen nan yo ki te si tèlman danjere e si tèlman vyolan, ke chen ke Doktè ak Chirijyen yo te bay li yo, te kreve toutswit. E gen lòt ki te mache pi lan, ki te fè yo trepase pandan senk a sis mwa, men ki te toujou bay lanmò." (Trad.) (148)
Kolon sila te konfime tou, apre yon tès ki te fèt sou yon femèl chen, de efikasite pwazon kaptif (esklav) yo, ki te fèt ak fèy :
"Yo pretann, te ekri yon lòt, ke se ak pwazon ki genyen nan famasi ke nèg yo te sèvi. Men, ki jan yo ka eksplike ke yon fèy ki sanble ak absent mawon [zèbapyan], ke yo te jwenn nan chanm yon nèg, e ke yo te bouyi l epi bay yon femèl chen li, devan douz temwen nan sénéchaussée [administrasyon tribinal] Fort Dauphin an, sa te fè l te tonbe mouri biw. An reyalite, yo gen sekrè ke yo soti Lafrik avè yo, e kèk menm fè konnen ke avèk pwoteksyon majik epi nan jan yo melanje fèy sa yo toupre kabann oswa pòt mèt yo, yo te pwazonnen yo." (Trad.) (149)
Nou te jwenn prèv de sa nan entèwogasyon Assam an, ki se yon fi kaptif (esklav), ki, ansanm ak 2 lòt kliyan fi, te pase plizyè jou lakay a Jean, ki se yon gwo pwazonè nan bitasyon Laplaine, nan Lenbe. Jean te pati pandan plizyè jou pou l t al chèche fèy pou l te fabrike "remèd" sou plas la. E sa te pwouve ke "remèd" sa yo te pwazon an reyalite :
"Ke Jean te di l ke li t ap bay ladan l, pouvike l rete nan kay la pou kat jou, pou l ka al chèche fèy ke l ap bezwen yo : (…) ke nèg Jean an, lakay kiyès li te rive vandredi a, te ale chèche fèy nan dimanch ke li te pote nan kay la ; (…) e ke li te bay ladan l pandan l te di l pou l bay nèg mèt li yo li. (…) ke sito ke l te rive, li te bay nèg malad yo bwè l epi nan lavman, remèd ke Jean te bay li a ; e ke sa te bay nèg yo vant lou, e ke sa te fè ti nègès la vin sere sere epi li te fè l vin gonfle kon boul ; (...) Madelaine Nago ki te nan mache a pou vann vyann sale ; ke nègès sila te mande l ki jan remèd ke Jean te ba li a te mache ; e ke li te di l ke sa te mache mal e ke de nèg yo te mouri." (Trad.) (150)
An rezime, kaptif (esklav) yo ansanm ak konplis yo te jwenn pwazon nan zafè Blan yo. Men, sa pa t anpeche yon kantite nan yo fè epi vann pwòp pwazon yo. Pwazon Makandal yo, menm jan ak kina Jean ki te rete sou bitasyon Laplaine an, Blan yo pa t konnen ki jan yo te fèt. E apre yo te teste yo, yo te deside ke pwazon sa yo te konplèks ak efikas.


5.3- Makandal te chèche detwi koloni a

Jan nou te wè, menm kèk deseni anvan Makandal, pwazonè tankou Colas Jambes Coupées ak asosye li yo, te egzekite an 1723, e yo te chèche detwi koloni a. Jij Courtin limenm te tande rimè ki te sikile sou pratik pwofetik Makandal yo ki te predi disparisyon Blan yo epi kontwòl zile a pa Nwa yo :
"F. Macandal te toujou gen yon mose twal ke li te tranpe nan yon dlo lwil. Twal li a te soti, pafwa yon koulè, pafwa yon lòt, e li te fè dlo a vin tout koulè. Yo di li te kòmanse pa tire koulè oliv la, tankou ansyen abitan zile a, e li te di ke sa te premye abitan zile a ; epi li te rale li blan, sete sila yo ki mèt zile a konnyè a, epi an dènye, li te rale li tou nwa, pou fè yo konnen ke se sila yo ki pral vin mèt zile a. Nou pa t byen verifye prèv sa nan pwosè a, men sa pa rann sanginè sa mwens danjere pou otan." (Trad.) (151)
Sou chimen lanmò li, Makandal, gran lidè chamè a, te predi sò fatal koloni a :
"Yo te bay F. Makandal pinisyon dife. Jijman li pa te long. Yo te arete l madi 17 janvye, egzekite l nan vandredi le 20. Li pran devan tout konplis li yo, te fè plizyè deklarasyon ki enpòtan anpil e ki te fè konnen ke, li menm ansanm ak konplis li yo ki te jwenn lonè nan rete tèt yo sèvitè li, te toupizi ak pwazon katye Pòmago, Lenbe, Lasoufriyè ak Obòy, ke pwoblèm ki te kòmanse Okap la gen pou l vin pi fatal ki te ka genyen." (Trad.) (152)
Sepandan, malgre deklarasyon pwofetik ak piblik Makandal yo, e ki te rive toutbonvre, Moreau de St. Méry te bay agiman ke Makandal ak konplis li yo te vize "tire revanj pèsonèl" (153) olye de destriksyon koloni a ak ranplasman Blan yo pa moun Nwa.
Men, Pierre de Vaissières, ki site Moreau de St. Méry, te pibliye temwayaj Médor ki kontredi agiman Moreau de St. Méry a. Yo te kesyonnen Médor le 26 mas 1757. Kidonk 10 mwa anvan arestasyon Makandal la ki te rive madi 17 janvye 1758. Médor, ki se yon pwazonè depi lontan, te klarifye entansyon pwazonè yo ak objektif Nwa yo. Nwa lib yo ki, anpil fwa te pwazonè tou, te konn sèvi kòm entèmedyè ak chofè de dife :
"Si Nèg yo, li [Médor] te di, "komèt anpwazonnman sa yo, se te pou yo te ka jwenn libète yo epi pou yo te ka abiye tankou blan yo... Genyen tou, li te ajoute, yon sekrè nan mitan yo ki sèlman ap mennen destriksyon koloni an, ke blan yo pa konnen e pwòp nwa lib yo se kòz prensipal la, yo fè jwe tout zouti sa yo pou yo ogmante kantite yo, pou yo ka fè fas a blan yo lè sa nesesè." (Trad.) (154)
Epi, an 2015, te soti yon tèz dokora rate kote yo te eseye pou granmesi idantifye orijin Makandal. Otè tèz sila, Christina F. Mobley, te deklare ke pa te gen okenn prèv ke Makandal ak konplis li yo te mare konplo pou detwi koloni a :
"Kidonk, krim Makandal la se fè pakèt ki pwisan ak zafè sakre yo ke li te vann bay lòt moun, e pandan l t ap fè sa, li pa t sèlman kowonp yo, men li te tou vin lidè yo. Konsa, krim Makandal pa t konplote pou touye tout popilasyon blan koloni a. Vreman vre, kontrèman ak sa kolon yo pretann plizyè deseni pita, otorite kolonyal yo pa t fouti jwenn okenn prèv ki montre yon konplo nan lajè koloni a pou pwazonnen kolon blan yo. Echèk yo nan sans sa, pa t rive nan pa eseye." (Trad.) (155)
Agiman sila montre ke Mobley pa t okouran ke menm dokiman ki te prezante lèt 24 jen 1758 la, ke li te poutan site kat fwa, te enkli tou yon lèt ki date 8 novanm 1758. E dènyè lèt sa te mansyone konplo Nwa yo te genyen pou touye lame Blan yo ak pwazon, anvan yo te elimine rès Blan yo ak zam :
"Nan yon lòt Lèt ki te ekri nan menm kote a, le 8 novanm 1758, nou aprann "ke Nèg yo ap chèche rann tèt yo mèt peyi a, pa tiye tout Blan yo ; ke chèf prensipal dechoukè sa yo te pèri nan dife, epi pita, yo te arete wit nan sous ki bay kasèn yo dlo ; volonte yo se te simen pwazon nan kanal la ki kondwi dlo nan fontèn an, e konsa, pou yo touye Twoup militè yo ki se yo sèl ki kenbe yo, e ki anpeche yo fann fwa tout Blan yo."" (Trad.) (156)
Nou pa bezwen di ke tout zak pwazonnen nan Sendomeng sa yo pa t jwenn motivasyon nan menm objektif la. Kèk te vize vanjans pèsonèl, lòt te pwoteksyon kont trèt yo :
"Anpil te avwe ke yo te pwazonnen Nèg ke yo te ofri pwazon ; men ki te sanble twò renmen Mèt yo e ki te ka dekouvri yo." (Trad.) (157)
Dapre kolon L'Huillier de Marigny, anpwazonnman yo te fèt tou akozde lòt motivasyon tankou "vizyon libète ki gen pou vini..., jalouzi, vanjans, trètman twò sevèr." (Trad.) (158) Men sa pa t anpeche ke sabotaj sistèm an te yonn nan objektif anpwazonnman yo. Ni menm jan tou, sa pa t anpeche destriksyon sistèm an, te yonn nan objektif anpwazonnman yo, jan Makandal te prevwa li, pandan li t ap mache al pran lanmò ak kouraj. Epitou, jan nou pral wè pita, entèwogasyon yo te devwale plizyè rasanbleman pwazonè-konplotè yo. Anplis de sa, Mobley pa t pran an konsiderasyon ke kondanasyon Makandal la te fèt ak lwa jiyè 1682 la ki te la pou lite kont pwazonè. E lwa 1682 sila, ke santans kondanasyon Makandal la te bay lòd pibliye, te prezante anpwazonnman tankou konsekans zak blasfèm. Se sa k fè pifò sila yo yo te kondane nan peyi Lafrans nan "zafè pwazon yo", nan lane 1679 pou rive 1682, se te fanm ke yo te bay non Devineresses-empoisonneuses, sa vle di fanm ki divinò ak pwazonèz. (159) Kidonk, kondanasyon zak blasfèm Makandal yo pa vle di absans zak anpwazonnman. Okontrè, li montre kondanasyon imoralite a ki mennen jouk zak anpwazonnman an. Sitou ke nan tan sa yo, yo te asosye anpwazonnman ak dyab la oswa satan.

Konklizyon : atik sila te montre aklè ke Makandal te pratike relijyon tradisyonèl "Afriken" an ki toujou ap fonksyone an Ayiti, e ke Makandal pa t pratike islam. Menm bagay la mache tou pou konplis pwazonè Makandal yo ki, dapre jij Courtin, te resite - nan griyen dan - lapriyè katolik yo chak maten. Yon pratik senkretik konsa, madanm Makandal, ki se Brigitte, te konn fè li. E pratik sila toujou nan relijyon tradisyonalis ayisyen an. Menm jan tou, Marianne, ki moun Brigitte te konn bay nan pwazon Makandal yo, te konn kominyen nan legliz katolik chak 8 jou, jan jij Courtin te fè konnen. Epitou Geneviève, yonn nan kliyan Makandal yo, te konn mete chaplèt li ke Makandal te pran kwa ki ladan l an, pou l te mete l nan pakèt majik li ap fè pou li. E nou dwe mete aksan tou sou lefètke ke kèk prèt katolik te konplis tou. Yon prèt tankou Pè Duquesnoy, ki se yon jezwit, nan 1757, te pran pretèks li ta pral bay Assam ki te kondane a lanmò dènyè konfesyon. Men okontrè, Pè Duquesnoy te konseye pwazonèz Assam la pou l pran soufrans tòti a, olye pou li denonse konplis li yo. Sinon, prèt la te menase li, ke li prale nan lanfè. (160) Sa se ankò yon lòt prèv ke Assam te pratike yon relijyon senkretik (kidonk ki melanje relijyon tradisyonèl la ak katolik). Assam te denonse Pè Duquesnoy, e sa te fè jij Courtin ba li lavi li. Men otorite yo te vin ekspilse jezwit yo de koloni a 6 lane pita, nan 1763, akoz de konplisite yo ak rebèl yo. Relijyon rebèl pwazonè sa yo, konpatib ak relijyon katolik la, paske li pa gen dògm, kidonk yon doktrin fanatik. Men nou pa ka di menm bagay la pou relijyon islamik la.
Atik ki pral vini touswit apre a, jan nou te mansyone l, pral konplete pòtrè Makandal la, ak prèv k ap montre kote pratik li te soti, epi siyifikasyon kòz li a.

* Wè "zafè pwayon yo", ki se pil anpwazonman ak jijman anpwazonnman ki te fèt nan Lafrans soti nan 1679 rive nan 1682. Yo te akize pwazonè yo tou de sediksyon. Yonn nan pwazonè ki te pi popilè yo, se te yon fanm, Catherine Deshayes alyas La Voisin. Yo te boule manmzèl touvivan nan lane 1680, poutèt sediksyon, pwofànasyon, pa respekte legliz ase, anpwazonnman ak avòtman.
** Relasyon ant non Makandal la ak majisyen nan lakou wayal Urba (Okba) yo, te premye etabli pa Michel Étienne Descourtilz, nan liv li : Voyages d'un naturaliste et ses observations..., Tome 3. Paris, 1809. pp.127-130. Sepandan, Descourtilz pa te pale menm de relijyon islamik la. Okontrè, li te pwopoze ke pèp Urba a te konpoze de moun nwa, e ke yo te kwè nan sipèrstisyon ak nan fetich ; menm jan ak Wa yo, ki te vin konvèti nan relijyon kretyen an, apre li te malad.



Referans
(1) France "Macandale, chef des noirs révoltés, arrêt de condamnation par le Conseil supérieur du Cap-Français à Saint-Domingue, 1758." FR ANOM COL E 295 ; URL : http://anom.archivesnationales.culture.gouv.fr/ark:/61561/up424uoqnsvb

(2) "Lettre de MM. Bart et Lalanne, du Port-au-Prince, 27 février 1758. (A. M. C., Corr. gén., Saint-Domingue, C9, vol. CI.)" ; Sitasyon Pierre de Vaissières. Saint-Domingue : la société et la vie créole sous l'ancien régime (1629-1789). Paris, 1909. p.247.

(3) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire sur les pratiques magiques et empoisonnements prouvés aux procès instruits et jugés au Cap contre plusieurs Nègres et Négresses dont le chef, nommé François Macandal, a été condamné au feu et exécuté le vingt janvier 1758. (A.N. COLONIES F3. 88).

(4) Relation d'une conspiration tramée par les Nègres; dans l'Isle de S. Domingue ; défense que fait le Jésuite Confesseur, aux Nègres qu'on suplicie, de révéler leurs fauteurs & complices. 1758.

(5) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Description topographique... Tome 1. Philadelphie, 1997. p.653.

(6) Philippe R. Girard. The Slaves Who Defeated Napoleon : Toussaint Louverture and the Haitian War of independence, 1801-1804. Tuscaloosa, 2011. p.181.

(7) M. de C. "Makandal, Histoire véritable" paru dans "Le Mercure de France, 15 sept. 1787". Annexé dans Pierre Pluchon. Vaudou - sorciers empoisonneurs : de Saint- Domingue à Haïti. Paris, 1987. pp. 308-315.

(8) "The Negro Makandal, an authentic History." In: The Gentleman's and London Magazine: Or Monthly Chronologer, 1741-1794. April 1788. Dublin, 1788. pp.170-173.

(9) "Makandal ou le Nègre prophète et criminel". In : Annales du crime et de l'innocence, ou Choix de causes célèbres anciennes et modernes. Tome 19. Paris, 1813. pp.55-81.

(10) Thomas Madiou. Histoire d'Haïti. Tome 1. Port-au-Prince, 1847. pp.35-36.

(11) Melvil-Bloncourt. "Les Drames du Monde Colonial". In : Revue du monde colonial, asiatique et américain : organe politique des Deux-Mondes, Volume 12. Paris, 1864. pp.438-456.

(12) J.C. Dorsainvil. Psychologie haïtienne : vaudou et magie. Port-au-Prince, 1937. p.33.

(13) Dantès Bellegarde. La Nation haïtienne. Paris, 1938. p.63.

(14) Alejo Carpentier. El reino de este mundo. Mexico, 1967. p.17. (1ère édition, Havane, 1949 ; traduit en Français "Le Royaume de ce monde" et en Anglais "Kingdom of this world", en 1957).

(15) Aimé Césaire. Toussaint Louverture : la révolution française et le problème colonial. (1ère édit. 1961), Paris, 1981. p. 38.

(16) Gerson Alexis. "Notes on the Haitian Mandigoes." (Mars 1967), in : Lecture en anthropologie haïtienne. Port-au-Prince, 1970. p.198.

(17) Jean-Marie Drot. Journal de voyage chez les peintres de la fête et du Vaudou en Haïti. Genève, 1974. p.19.

(18) Sylviane A. Diouf. Servants of Allah: African Muslims Enslaved in the Americas. New York, 1998. p.151.

(19-20) Courtin, Sébastien Jacques, procureur au Conseil supérieur du Cap à Saint-Domingue, notaire général, sénéchal par intérim au Cap (1756/1779) ; FR ANOM COLONIES E 96 ; URL : ark:/61561/up424g3353q

(21) M.L.E. Moreau de St. Méry. Loix et constitutions... Vol. 4. Paris, 1785. p.753.

(22) "Observations de M. Fremon, Syndic du Quartier du Limbé, sur l'Article concernant ce Quartier, inséré dans le Journal de Janvier" (pp.63-68). In : Les Affiches Américaines du mercredi 12 février 1766. Parution No.7, p,67.

(23) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Description... Tome 1. Op. Cit. p.651.

(24) Relation d'une conspiration... Op. Cit.

(25) France "Macandale, chef des noirs révoltés, arrêt de condamnation par le Conseil supérieur du Cap-Français à Saint-Domingue, 1758." ; In : M.L.E. Moreau de Saint-Méry. Loix et constitutions... Vol. 4. Paris, 1794. p.217. FR ANOM COL E 295 ; URL : http://anom.archivesnationales.culture.gouv.fr/ark:/61561/up424uoqnsvb

(26) Lèt vèv Anne-Marguerite Barbaroux Courtin an, nan dat 20 Desanm 1779, te revele ankèt ak presizyon epi san pran souf ke mari li te fè, pou l te ka rezoud mistè pwazon ki t ap toupizi koloni a. Ankèt douloure sila, dapre vèv Courtin an, te afekte sante jij la, e te menm lakòz lanmò li. Wè : Courtin, Sébastien Jacques, procureur au Conseil supérieur... Op. Cit.

(27) Courtin, Sébastien Jacques, procureur au Conseil supérieur... Op. Cit.

(28) Relation d'une conspiration... Op. Cit.

(29-31) M.L.E. Moreau de Saint-Méry. Description... Tome 1. Op. Cit. pp.652, 651, 652.

(32) M.L.E. Moreau de St. Méry. Loix et constitutions... Vol. 1. Paris, 1784. pp.371-375.

(33) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire. Op. Cit.

(34) Hilliard d'Auberteuil. Considérations sur l'état présent de la colonie française de Saint-Domingue. Paris, 1776. p.137.

(35) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire. Op. Cit.

(36) Dapre David P. Geggus, Mayombé (Mayonmbe) ta soti nan Lafrik Santral. Wè David P. Geggus. Haitian Voodoo in the Eighteenth Century: Language, Culture, Resistance. In : Jahrbuchfür Geschichte von Staat, Wirtschaft und Gesellschaft Lateinamerikas 28 (1991). pp.21-51 ; Non Teysello a, toujou selon Geggus, ka se rezilta yon defòmation, nan peyi Kongo, de "Terceiro", ki vle di "Twazyèm" nan lang Pòtigè. Wè David Geggus. "Marronage, voodoo and the Saint-Domingue slave revolt of 1791". In: Proceedings of the Meeting of the French Colonial Historical Society. New York, 1992. pp.22-35 ; Dapre Christina F. Mobley, Mayombé (Mayonmbe) refere a yon forè nan Kongo. Epi Teysello soti nan "nganga tesa", yon ekspresyon Yombé (nan Kongo) ki se tit yon lidè nan divinasyon. Wè Christina F. Mobley. The Kongolese Atlantic-Central African Slavery & Culture from Mayombe to Haiti. Durham, 2015. p.224.

(37-38) M. de C. "Makandal, Histoire véritable". Op. Cit.

(39) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire. Op. Cit.

(40) Melvil-Bloncourt. Op. Cit. p.448.

(41) Ferdinand Hoefer. L'univers : histoire et description de tous les peuples, de leurs religion, moeurs, coutumes, etc... Livres 1 à 12. Paris, 1848. p.320.

(42) Louis Tauxier. Moeurs et histoire des Peuls. Paris, 1937. p.36.

(43-44) Melvil-Bloncourt. Op. Cit. pp.448, 449.

(45-46) "The Negro Makandal, an authentic History." Op. Cit.

(47) Wè Gleaner. The gleaner; or, Entertainment for the fire-side. Vol. 1. Manchester, 1804. pp.55-59.

(48) "Makandal ou le Nègre prophète et criminel". Op. Cit.

(49) "Makandal ou le Nègre brigand et empoisonneur". In : La caverne des brigands ou recueil des assassinats, des vols, des brigandages, des scélérats qui ont expié leurs crimes... Paris, 1814. p.10-23.

(50) Le Sage. Histoire de Gil Blas de Santillane. Tome 2. Paris, 1825. p.286.

(51) "Makandal ou le Nègre empoisonneur". In : Répertoire général des causes célèbres. Tome 4. Paris, 1835. pp.279-288.

(52) Dantès Bellegarde. La nation haïtienne, Tome 1. Paris, 1935. p.64.

(53-54) Thomas Madiou. Histoire d'Haïti. Tome 1. Op. Cit. pp.22. 13.

(55) Alfred Métraux. "Histoire du vodou..." Op. Cit.

(56) Alejo Carpentier. The kingdom of this world. (Transl.) New York, 1957. p.16.

(57) Alejo Carpentier. The kingdom of this world. (Transl.) New York, 1990. p.17.

(58) Gérard aîné à Laborde. Au fond, le 5 juillet 1780, My 463-10 ; Sitasyon Foubert Bernard. "Le marronage sur les habitations Laborde à Saint-Domingue dans la seconde moitié du XVIIIe siècle." In: Annales de Bretagne et des pays de l'Ouest. Tome 95, numéro 3, 1988. pp. 277-310.

(59) M.L.E. Moreau de St. Méry. Loix et constitutions... Vol. 1. Op. Cit. pp.27-28.

(60) Relation de la découverte... en 1716. In : Histoire générale des voyages. Paris, 1747. p.633.

(61) Mungo-Park. Travels in the interior districts of Africa. London. 1807. p.29.

(62) An 1992, Kintto Lucas, ki te enspire pa tèks fiksyon Alejo Carpentier a, te fè de Makandal yon Mandeng, pa yon tradisyonalis, men yon mizilman e ki pale Arab. Otè a te ekri ak ridikil ke Ayiti te vin "Premye Repiblik Nwa" an 1789. Epi, li te fè konnen ke yo te egzekite Makandal an 1758, pandan ke menm atik li a te revele ke Makandal te ateri nan Sendomeng an 1779, kidonk, 21 lane apre yo te egzekite l la. Tèks Kintto Lucas la te tradwi an Franse nan lane 2007-2008. Guy Everard Mbarga, epi Frantz Latour te vin pibliye tradiksyon sa ak 2 tit diferan. Epi, pou li te kache manti nan tèks la ki di ke Makandal te ateri nan Sendomeng an 1779, tradiktè Guy Everard Mbarga, ki malonèt anpil, te retire pati veridik la, men kontradiktwa a, ki te fè konnen ke yo te egzekite Makandal an 1758. Wè Kintto Lucas. Rebeliones Indígenas y Negras en América Latina. Quito, 1992. ; Guy Everard Mbarga. "Makandal, Marron Nègre Haïtien", poste nan jounen 24 dawou 2007. [anliy] URL : https://afrodes.wordpress.com/2007/08/24/makandal-marron-negre-haitien/ ; Vizite nan jounen 5 me 2018. ; Frantz Latour. "Macandal, symbole de la lutte de libération des esclaves", parèt nan Haïti Liberté Vol. 1, No.27, 23-29 janvier 2008. ; Guy Everard Mbarga. "Portrait d'un esclave révolté", parèt nan le Nouvelliste du 10 novembre 2008. [anliy] URL : http://www.lenouvelliste.com/public/article/64044/portrait-dun-esclave-revolte ; Vizite nan jounen 5 me 2018.

(63) France. "Interrogatoire de la Négresse Assam, du 27 septembre 1757. Extrait des minutes du greffe du Tribunal du Cap." AN, Arch. Col. C9A 102. Annexed in dans Carolyn E. Fick. Haïti : Naissance d'une Nation... Montréal, 2014. pp.463-471.
(64) Mungo-Park. Op. Cit. p.51.

(65) Pierre Anglade. Inventaire étymologique des termes créoles des Caraïbes d'origine africaine. Paris, 1998. p.153.
(66) Jean-Marie Gibbal. "Possession, représentation de l'autre et recherche d'identité". In : Archives de sciences sociales des religions. N. 79, 1992. pp.7-18.

(67-68) Youssouf Tata Cissé, Wâ Kamissoko. Soundjata la gloire du mali: La grande geste du Mali, Tome 2. Paris, 2009 (2e édit.) pp.37, 38.

(69) Lilyan Kesteloot, Bassirou Dieng. Les épopées d'Afrique noire. Paris, 1997. p.166.

(70) Wè Germaine Dieterlen. "Mythe et organisation sociale au Soudan français". In : Journal de la Société des Africanistes, 1955, tome 25. pp. 39-76.

(71) Djibril Tamsir Niane. Histoire des Mandingues de l'Ouest : le royaume du Gabou. Paris, 1989. p.103.

(72) Youssouf Tata Cissé, Wâ Kamissoko. Soundjata la gloire du mali... Op. Cit. pp.122-123.

(73-74) Djibril Tamsir Niane. Histoire... Op. Cit. pp.19, 22.

(75) Amadou Oury Diallo. Histoire et fiction, contextes, enjeux et perspectives : récits épiques du Foûta-Djalon (Guinée). Tome 1. (thèse) Nice, 2014. p.45.

(76-79) Djibril Tamsir Niane. Histoire... Op. Cit. pp.86, 103, 104-105, 106.

(80) Ibid. pp.86, 87.

(81) France. ARRÊT de Réglement du Conseil du Cap, qui défend aux Nègres de garder des paquets appelés Macandals, ni de composer et vendre des drogues. 11 Mars 1758. In : Moreau de St. Méry. Loix et constitutions... Vol. 4. Paris, 1785. pp.222-223.

(82) Sylviane A. Diouf. Servants of Allah... Op. Cit. p.151.

(83) Féquière Vilsaint, Maude Heurtelou. Diksyonè Kreyòl Vilsen. Coconut Creek, 2009. p.317.

(84) Prophète Joseph. Diksyonè Sinonim lang Ayisyen. Montréal, 2002. p.255.

(85) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Description... Tome 1. Op. Cit. p.653.

(86) Féquière Vilsaint, Maude Heurtelou. Diksyonè Kreyòl Vilsen. Op. Cit. p.493.

(87-88) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire. Op. Cit.

(89) Cheikh Ibn Bâz. Fatâwa. Volume 1 : le dogme islamique. pp.158, 344-345.

(90) M. de C. "Makandal, Histoire véritable" Op. Cit.

(91) Thomas Madiou. Histoire d’Haïti. Tome 1. Port-au-Prince, 1847. pp.22-23.

(92) France. "Procès-verbal des prisons du 9 novembre 1757. Extrait des minutes du greffe au Siège Royal du Cap." In : Carolyn E. Fick. Haïti : Naissance d'une nation. (transl.) Montréal, 2014, p.472.

(93) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire. Op. Cit.

(94) France. "Interrogatoire de la Négresse Assam..." Op. Cit. p.463, 469, 471.

(95) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Description... Tome 1. Op. Cit. p.653.

(96) Thomas Madiou. Histoire d’Haïti. Tome 1. Op. Cit. pp.22-23.

(97) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire. Op. Cit.

(98) Wè "La Shahada (ou Chahada) la profession de foi islamique". URL : http://fr.assabile.com/a/la-shahada-chahada-la-profession-de-foi-islamique-29 ; Vizite nan jounen 28 septanm 2016.

(99) Cheikh Ibn Bâz. Op. p.33.

(100) Sourates 7: 148-150 ; 8 : 39 ; 9 : 1-5, 14 ; 71 : 23.

(101-102) Sourate 5 : 72-76 ; 5 : 17-18.

(103-104) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire. Op. Cit.

(105) Wè komantè nan atik "Recettes mystiques 2014 (Géomancie Africaine1)" ; URL : http://geomancie-africaine.com/recettes-mystique/comment-page-127/ ; Vizite nan jounen 23 avril 2018.

(106) R.P. Carl Peters."Société Mandingue". In : Revue de la Faculté d'ethnographie. No.10. Port-au-Prince, 1960. pp.47-50.

(107) Sylviane A. Diouf. Op. Cit. p.151.

(108-109) Djibril Tamsir Niane. Soudjata ou l'épopée mandingue. Paris, 1960. pp.12-13, 14.

(110) Fatimata Mounkaïla. Le mythe et l'histoire dans le la geste de Zabarkâne. Niamey, 1988. p.171.

(111) Aimé Césaire. Toussaint Louverture... Op. Cit. p. 38.

(112) Charles-André Julien. Préface (sept. 1961) de "Toussaint Louverture. Op. Cit.

(113) Mohammed El Fasi et Ivan Hrbek. "L’avènement de l’Islam et l’essor de l’Empire musulman". In : Histoire générale de l'Afrique, Vol. 3. Paris, 1990. pp.68-69. (pp.53-80)

(114) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire. Op. Cit.

(115) Bernard Nantet. Dictionnaire d’Histoire et Civilisations africaines. Paris. 1999. p.175.

(116) Federal Research Division. Sudan : Country Studies. Washington, 1992. p.17.
(117) Beatrice Nicolini. "Mahdi Rebellion" In : Encyclopedia of the African Diaspora…Vol. 2. Santa Barbara, 2008. pp.644-645.

(118-119) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire. Op. Cit.

(120) John Henrik Clarke. "Mohammed Ahmed, (The Mahdi) Messiah of the Sudan." In : The Journal of Negro Education. Vol. 30, No. 2, Spring 1961. pp.156-162.

(121) M.L.E. Moreau de St. Méry. Description... Tome 1. Op. Cit. p.652.

(122-123) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire. Op. Cit.

(124-126) Élie Monnereau. Le parfait indigotier, ou Description de l'indigo... (version originale 1736) Nouvelle édition, revue et augmentée. Amsterdam, 1765. pp.120-121, 111, 111-112.

(127) Sylviane A. Diouf. Servants of Allah... Op. Cit. p.150.

(128) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Description... Tome 1. Op. Cit. pp.27-28.

(129) S. J. Ducoeurjoly. Manuel des habitans de Saint-Domingue... Tome 2. Paris, 1802. pp.330, 350.

(130) Sylviane A. Diouf. Servants of Allah... Op. Cit. pp.150-151.

(131) Michelle C. Langley et al. 2016. "Poison arrows and bone utensils in late Pleistocene eastern Africa: evidence from Kuumbi Cave, Zanzibar." Azania: Archaeological Research in Africa 51 (2): 155-177.

(132-133) M.L.E. Moreau de St. Méry. Loix et constitutions... Vol. 3. Paris, 1784-1790. pp.48-49, 492.

(134) M.L.E. Moreau de Saint-Méry. Description.. Tome 1. Op. Cit. p.46.

(135-136) S.J. Ducoeurjoly. Manuel des habitans de Saint-Domingue. Tome 1. Paris, 1802. pp.24, 30.

(137-138) Michel Pierre Descourtilz. Voygages d'un naturaliste et ses observations... Vol. 3. Paris, 1809. pp.117-119, 119-120.

(139) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire. Op. Cit.

(140-142) Gustavus Vassa. The Interesting Narrative of the Life of Olaudah Equiano, Or, The African. London, 1794. pp.15, 22-23, 24.

(143) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire. Op. Cit.

(144) Hilliard d'Auberteuil. Op. Cit. pp.137-138.

(145) Pierre de Vaissières. Saint-Domingue : la société... Op. Cit. p.241.

(146-147) France. ARRÊT du Conseil du Cap, qui, de l'agrément des Administrateurs, ordonne, sur des Empoisonneurs condamnés, l'essai des poisons et contrepoisons par eux indiqués, et pièces relatives. 8 avril 1758. In : Moreau de St. Méry. Loix et constitutions...Vol. 4. Paris, 1785. pp.229, 231.

(148) Relation d'une conspiration. Op. Cit.

(149) Mémoire sur les poisons qui régnent à Saint-Domingue, 1763 (A. M. G., Corr. gén., 2e série, carton XV). In : Pierre de Vaissières. Saint-Domingue : la société... Op. Cit. p.242.

(150) France. "Interrogatoire de la Négresse Assam... Op. Cit. pp.464-467.

(151-152) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire... Op. Cit.

(153) Moreau de Saint-Méry. Notes historiques sur Saint-Domingue (A.M. G.. F3 136, p. 198). ; Sitasyon Pierre de Vaissières. Saint-Domingue : la société... Op. Cit. pp.246-247.

(154) "Déclaration du nègre Médor, le 26 mars 1757, aux A. M. C, CORR. gén., C9, vol. CH." ; Sitasyon Pierre de Vaissières. Saint-Domingue : la société... Op. Cit. p.247.

(155) Christina Frances Mobley. The Kongolese Atlantic-Central African Slavery & Culture from Mayombe to Haiti. (Thesis). Durham, 2015. p.302.

(156-157) Relation d'une conspiration... Op. Cit.

(158) L'Huillier de Marigny. "Mémoire sur les poisons que régnent à St. Domingue", 1762, ANOM, AC, série F3, vol. ; Sitasyon Yvan Debbasch. "Opinion et droit : Le crime d'empoisonnement aux Iles pendant la période esclavagiste". In : Revue française d'histoire d'outre-mer, tome 50, n°179, deuxième trimestre 1963. pp. 137-188.
(159) Arlette Lebigre. L'Affaire des poisons (1679-1682). Paris, 2006. pp.15, 149.
(160) Relation d'une conspiration... Op. Cit.



Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Makandal pa t mizilman". 12 dawou 2018 ; Mizajou : 8 sept. 2020. [anliy] URL : https://bwakayiman.blogspot.com/2018/08/makandal-pa-t-mizilman.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

 
Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020