Mizilman Sendomeng yo te souflantchou

Home   

(Mizajou : 20 des. 2020)

 
Nan atik anvan yo, nou te demontre absans total eleman islamik nan reyalizasyon Revolisyon Ayisyen an. E sa a, patikilyèman nan 2 seremoni ki te deklanche Revolisyon an ; seremoni ke yo kalifye anjeneral kòm seremoni Bwa Kayiman. Sepandan, malgre sa, nou pa t di ke pa te janm gen okenn kaptif (esklav) mizilman nan Sendomeng (Ayiti), oswa kaptif (esklav) ki islamize senkretik (kidonk ki melanje islam ak lòt relijyon).
Kijan nou ta ka di sa, pandan ke prezans moun sa yo byen dokimante?
Nan atik sila, dènye nan seri a, nou pral pale de prezans kaptif (esklav) islamize nan koloni Sendomeng. Epi nou pral egzaminen si toutbonvre islam te gen kèlkeswa enpak sou Revolisyon an
.


1- Prezans islamik oswa "mawometan" nan Sendomeng

Prezans islamik la, li te reyèl nan Sendomeng. 7.05% nan kaptif (esklav) Sendomeng yo te soti nan Seneganbi, epi 2.83% te soti nan Syeraleyòn, (1) ki se 2 rejyon kote prezans islamik la te pwouve, men sou yon fon tradisyonalis. Epi kolon Moreau de St Méry (Moro de Sen Meri) te rapòte enpòtasyon mizilman nan Sendomeng, kote yo te konn rele yo "mahométans" (mawometan),* menm jan nan lòt koloni franse yo :
"Tout Afriken yo ke m te pale de yo jouk konnyè a, epi ke yo te anbake nan yon dal kwen nan yon kòt ki konprann twa san lig distans, depi disetyèm degre latitid Nò, kote bouch larivyè Senegal la louvri, rive Syeraleyòn, yo jeneralman Mawometan, omwen sila yo ki rete toupre lanmè a." (Trad.) (2)
Sepandan, kilt mawometan oswa islamik pèp Seneganbyen yo nan Sendomeng, li pa t si "òtodòks" (kidonk san melanj), jan sipòtè tèz islamik yo deklare :
"Men, relijyon sila melanje ak yon idolatri, ki pi fò plis ke w ap antre nan enteryè a, e souvan menm prèv yo sikonsi, se sèl bagay ki pèmèt ou rekonèt ke moun sa yo anba kwayans Mawometis [Islamik]." (Trad.) (3)
Toujou selon Moreau de St Méry, kilt kaptif (esklav) y al chèche nan Kongo yo, nan "Lafrik" Santral, kilt sila te yon melanj katolik, islam ak espirityalite zansèt yo. Yon senkretis 3 relijyon konsa, yo te byen detekte l nan lapriyè Franswa Makandal.** Chèf pran devan sila te manb etni Balouba, epi li te soti nan Sant-Ès Kongo :
"Gen anpil Kongo ki gen lide katolik, sitou sila yo ki soti rivyè Zayi yo. Lide katolik yo a, yo te pran l nan men Pòtigè yo, men lide katolik yo sa pa t entèdi lide mawometis [islam] ak idolatri ; sa fè ke relijyon yo pòtre yon moso pyese 2 grenn gòch." (Trad.) (4)
Kidonk, dapre Moreau de St Méry, degre nan aderans islamik varye ant : 1) yon minorite òtodòks (ke rityèl islamik li pa melanje); 2) yon kantite mwayen senkretik (ke rityèl islamik li melanje); ak 3) yon majorite islamize nan non sèlman.
Eben, kilès nan 3 gwoup sa yo nou ka kalifye kontribisyon revolisyonè li kòm islamik, si te genyen kontribisyon?

  1. Minorite ki te pratike yon islam òtodòks la, kidonk san melanj, kontribisyon yo nan Revolisyon Ayisyen an, si yo te kontribye, nou ka klase l kòm islamik.
  2. Kantite mwayen ki te pratike senkretis relijye a, si yo te kontribye nan Revolisyon Ayisyen an, nou pa ka kalifye kontribisyon sa a kòm islamik. Paske, islam entèdi, epi li rele "shirk" kèlkeswa melanj de rityèl li ak pa lòt relijyon.
  3. Majorite islamize yo, ki pa t pratike relijyon an toubonvre. Si yo te kontribye nan Revolisyon Ayisyen an, kontribisyon sa a t ap otomatikman al jwenn relijyon tradisyonèl la ke yo te pratike. Se sa k fè, pale de group sila pa itil nan atik sa a.
Ak kategori sa a nan lespri nou, annou jete yon kout je pi lwen. Kote tèks ekri manke, nou pral kesyone memwa lengwistik ayisyen an, pou n jije enfliyans oswa majinalizasyon divès gwoup islamize. Nou pral gade, pou n fini, rityèl Ayisyen ki gen orijin Mandeng yo e ki ap viv Balan (nan Nò Ayiti), kote te soti revizyon islamik de kòmansman Revolisyon Ayisyen an.


2- Senegalè mizilman (ki plis oswa mwens) senkretik yo, yo te souflantchou

Malgre yon prezans pwouve de Senegalè tradisyonalis nan Sendomeng, entelektyèl revizyonis yo dekri kaptif (esklav) Senegalè sa yo sèlman kòm mizilman. Epi mizilman ki te kanpe rèd kont esklavaj. Sepandan, se pa t sa, dapre Dominique H. Lamiral, yon machann esklav ki te travay kole kole ak Senegalè yo otan nan peyi orijin yo ke nan Sendomeng. Pou Dominique H. Lamiral, Senegalè yo (mizilman ou pa) te renmen kaptivite (esklavaj) :

"Mwen te rankontre nan Sendomeng Nèg ke mwen te konn wè nan Senegal. Mwen te mande yo kijan yo ye ; pèsonn pa te plenyen de sò yo ; plizyè te menm asire mwen ke yo pa ta vle retounen nan peyi yo ; kote yo te toutouni, nan malnitrisyon, tandiske nan Sendomeng yo byen abiye ak byen anfòm. Nou ka verifye sa mwen di la nan atelye Madan Rossignol [Rosinyòl], ki abite Senegal, e ki etabli depi lontan nan Okap Franse : li gen plis pase senkant Nèg Senegal, nou ka kesyone yo tout, mwen defye nou jwenn yon sèl ki demanti m." (Trad.) (5)
Malgre komès li kòm negriye (kidonk machann esklav), Dominique H. Lamiral trè kredib, nan opinyon nou. Paske, sou yon bò, nan liv li a, li te fè yon jijman san patipri sou pèp (Nwa ak Mòr) li te etidye yo. Yon lòt bò, deskripsyon li te bay sou pèp Bisango a (6) idantik ak sa memwa ayisyen kenbe de gwoup etnik feròs sila ki te abitye òganize sosyete sekrè.

2.1- Senegalè yo souflantchou pi rèd

Tan pa chanje Senegalè a. Li pran pòz siperyè devan Nwa parèy li, epi li soumèt devan lòt ras. Li sanble renmen bouro li plis ke li renmen pròp tèt li. Le 9 Me 2018, gouvènman Senegalè a te menm enstale yon "Place de l'Europe" (Plas pou Lewòp) sou zile-mize Gorée (Gore). Zile Gorée a, se kote bato kolon ewopeyen sa yo te konn charye moun nwa al pran jenosid nan Lamerik. Zak gouvènman Senegalè a, se tankou yo ta enstale yon plas nan lonè Almay nan mitan yon sit k ap komemore olokòs (kidonk jenosid) pèp jwif la.
  
(Senegalè souflantchou yo k ap inogire "Place de L'Europe" la sou zile esklavajis Gorée (nan Senegal))
Sous : https://twitter.com/franceosenegal/status/994280915072364544

Leta Senegal la, nan enstalasyon "Place de L'Europe" la nan Gorée, te ensilte memwa moun yo ke li te konplis nan kaptire, depòte ak jenosid yo. Epi ensilt la te rive 9 mwa apre jenn Senegalè - ra sila yo ki rebèl - te deboulonnen estati a Louis Faidherbe, yon ansyen gouvènè kolonyal.

(Estati Louis Faidherbe, gouvènè-kolonizatè Senegal, ki te deboulonnen)
Sous : "Faidherbe vu du Sénégal" ; [anliy] URL : https://faidherbedoittomber.org/faidherbe-vu-du-senegal/

Estati sa a, Leta Senegalè a te kouri replase l imedyatman, paske li "rekonesan" de gouvènè li ki, sepandan, nan 8 mwa, te masakre omwen 20000 Senegalè. (7)

(Estati L. Faidherbe, gouvènè kolonyal, nan Saint Louis, yon vil ki pote non l, nan Senegal)
Sous : "Faidherbe vu du Sénégal" ; [anliy] URL : https://faidherbedoittomber.org/faidherbe-vu-du-senegal/

Èske se pa pèp Senegal souflantchou sila ke revizyonis yo prezante tankou modèl rezistans kont lesklavaj, paske li pratike islam? Sa pa gen sans.


2.2- Senegalè yo daprè memwa Ayisyen

Senegalè tradisyonalis nan Sendomeng yo te bay relijyon tradisyonèl ayisyen an Nasyon sakre a ki rele Nanchon Seneka, Siniga oswa Sinigal. Nou jwenn li, an patikilye, kilt Wèlo ak Brakè, ki sòti nan venerasyon Wayòm Senegal Oualo (Wala), ansanm ak venerasyon Wa yo ki te gen tit Brak. San nou pa bliye omaj tradisyonalis Ayisyen yo rann Pangòl, ki se non Divinite tradisyonèl pèp Serrère (serèr) a (Pengol).
Konsa, nan leksik ayisyen an, pa gen anyen move ki kole ak mo Senegal la. Okontrè, dapre kolon S.J. Ducoeurjoly, moun Senegal yo te ede antre couscous (kouskous) nan kwizin ayisyen, kote yo rele manje sa kouchkouch :
"Couchcouch, s.m. yon plat ki fèt ak farin mayi, oswa bledend, ke yo tranpe ak pile, epi apre, yo fè l kwit nan yon bain-marie [benmari], Nègès Senegal yo, se yo ki fè li pi bon." (Trad.) (8)
Epitou, nan opinyon Pierre Anglade (Pyèr Anglad), mo kreyòl "chèlbè" a, ki dekri yon moun ki enpresyonan jan l soti nan lari, mo sila sòti nan "shelbe", ki se rèsponsab seremoni sikonsizyon nan Senegal :
"Chèlbè adj. Yon moun ki pedan anpil : vantadò. (...) Nan wòlòf, SHELBE : gran frè, chèf seremoni sikonsizyon an." (Trad.) (9)

(Pochèt mizik)
Sous : Talie (Nathalie Cerin). "Ti nèg chèlbè".  [anliy] URL : https://soundcloud.com/taliemusic/ti-n-g-ch-lb


(Pochèt mizik)
Sous : Ton Dezi×Sun-PeterTracka ×Song-Guy – Fe Chelbe [k-naval 2019]. [anliy] URL : https://koulelakay.com/ton-dezixsun-petertracka-xsong-guy-fe-chelbe-k-naval-2019/

Vreman vre, okòmansman,"selbé" nan Senegal yo te tradisyonalis ki manb gwoup etnik Serrère (Serèr) la. Men jan tou pou Ndut (Ndòt), ki se yon seremoni inisyasyon yo toujou mennen. (10)


(Dans selbé yo, nan Senegal)
Sous : Yayème, 2001. In : Aurélie Troy. "Les pagnes des circoncis : séparation et émotions dans les rites d'initiation seereer (Hireena, Sénégal)". In : Systèmes de pensée en Afrique Noire. 18/2008. (p.63). [anliy] Poste nan dat 5 jen 2003. 

Men, de tout fason, atitid soumisyon Senegalè yo, memwa ayisyen an pa sonje sa. Menmsi atitid soumisyon Senegalè yo se yon konstan (kidonk yon gwo abitid) ki la depi plizyè syèk. Sepandan, Senegalè yo pa t nesesèman kanpe nan chemen Revolisyon an, malgre ke nan Sendomeng, yo te pito yo pou travay domestik - dèyè Kreyòl yo.
Paske nou konnen wòl enpòtan ke klas kaptif (esklav) ak privilèj yo te jwe nan Revolisyon an. Kit yo te kòmandan atelye, chofè oswa sèvitè fi kon gason. Bon bagay ki lye ak relijyon tradisyonèl Senegalè yo sanble te dominen nan lespri pèp ayisyen an. E lang Kreyòl Ayisyen an eritye plizyè aspè nan Wòlòf, ki se lang pifò moun nan Senegal.

 

3- Yoruba (Nago) islamize yo, ki gen non Malé (oswa Malay) nan Sendomeng

An Ayiti, gwoup etnik Yoruba a, ke Ayisyen yo rele Nago, yo asosye l nètalkole ak relijyon tradisyonèl la ansanm ak kilt Nago, Nèg lagè yo. Men, yon minorite nan Yoruba (Nago) yo te islamize. Nan koloni Sendomeng, yo te pran islamize sa yo pou yon nanchon apa ki rele Malé, Male, Mallet, Malet, Malais, Mallais, Mallay, elatriye :

"Virgile, nanchon Malé, li tanpe nan fòm fèracheval VILHEMANSON & anba A LA CUL, laj li 30 an, li di li se pwopriyete Mesye Testart." (Trad.) (11)
"Le 17, Suzanne ki soti nan nanchon Malais a, li di li se pwopriyete Girard nan Maribarou, li tanpe mal pou li sou tete dwat li, li gen 45 an, li gen bèl wotè, yo te arete l nan Panyòl." (Trad.) (12)
Nan Brezil kolonyal, Yoruba (Nago) mizilman sa yo te bay tèt yo non Malê (Malè). Non sila soti nan Imale, ki se jan Yoruba (Nago) nan Nijerya ak Benen yo te konn rele mizilman nan gwoup yo :

"Mizilman, s. Imale." (Trad.) (13)
Se sa k fè nou te deklare ke Malé oswa Malay nan Sendomeng yo te pratike menm relijyon ak sila yo ki nan Brezil yo. Sa vle di, yon relijyon islamik ki te plis melanje, plis tan t ap pase, tou depann de rejyon an. (14) Yon fwa nou konn sa, li rete pou nou detèmine si kilti islamik Malé Sendomeng yo te responsab seremoni Bwa Kayiman an ki te deklanche Revolisyon Ayisyen an.
 
3.1- Seremoni fè sakrifis Malé nan Sendomeng yo

Pa gen tèks sou rityèl Malé nan Sendomeng yo, ni sou selebrasyon yo de fèt sakrifis mizilman an. Akozde sa, nou pral konte, nan yon sèten mezi, sou enfòmasyon ekri ki gen rapò ak selebrasyon fèt sakrifis mizilman an lakay Malê nan Brezil yo.
Nou konnen ke nan Salvador de Bahia (Salvadò de Baya), Malê yo te respekte kalandriye islamik la ki te sèvi nan Mwayen Oryan. E yo te respekte tou règ ki gen arevwa ak mwa Ramadan an. Eksepte pou Eid el-kebir, ki se fèt sakrifis islamik anyèl la (kidonk ki fete chak lane). Nan fen mwa jèn Ramadan an, Malê Brezilyen yo te ale tou dwat nan sèvis sakrifis mouton an. Pandan ke yo ta dwe fete selebrasyon sila plizyè mwa pita, jan kalandriye islamik la dikte
:
"Querino reports that Malês commemorated the end of Ramadan, the month of fasting, by sacrificing rams. Indeed, during 1835, at the request of a justice of the peace, a slave translated a text that was, according to the slave, "a sort of calender which the Malês use to keep track of their fasts and to know when to slaughter their rams." Querino also wrote : "When they sacrificed a lamb, they stuck the point of the knife into the sand and bled the animal saying the word Bi-si-mi-lai."" (15) 
Tradiksyon
"Querino te rapòte ke Malês yo te komemore fen Ramadan an, mwa jèn an, ak sakrifye kabrit. Vreman vre, pandan lane 1835, sou demann jijdepè a, yon esklav te tradwi yon tèks ki te, selon esklav la, "yon jan de kalandriye Malès yo itilize pou yo te swiv jèn yo a, ak konnen ki lè pou yo touye kabrit yo." Querino te ekri tou : "Lè yo sakrifye yon ti mouton, yo kole pwent kouto a nan sab la epi yo senyen bèt la pandan y ap pwononse mo a ki se Bi-si-mi-lai.""
Kidonk, Malè Brezilyen yo te swiv koutim "Afriken" nan Lwès kontinan an, ki te abitye fini Ramadan an ak fèt sakrifis anyèl la, ke yo te rele Tabaski.

Pou 1835, ane kote yo te òganize yon revòlt, Malê Brezilyen yo te mete mwa Ramadan an, jan kalandriye linè islamik la mande l, soti le 21 desanm 1834 rive le 29 janvye 1835. (16) Sakrifis mouton yo an ta dwe fèt nan jounen 25 janvye 1835 a, ki se dènye dimanch nan mwa a. Paske dimanch yo te jou konje yo.
Dat ke Malê Brezilyen yo te dwe jere te sila yo
:

  • Kòmansman mwa Ramadan an : 21 desanm 1834.
  • Dat sakrifis mouton anyèl la (Tabaski) : dimanch 25 janvye 1835.
  • Fen mwa Ramadan an : 29 janvye 1835.
Sepandan, nan dimanch 25 janvye 1835 la, Malê yo te chanje fèt sakrifis mouton yo a pou rebelyon an ke otorite yo te rive kraze. Lè nou aplike kalandriye regilye yo a pou lane 1791 la, dat Revolisyon ayisyen an, nou jwenn dat sa yo :
  • Kòmansman mwa Ramadan an : 4 me 1791.
  • Dat sakrifis mouton anyèl la (Tabaski) : dimanch 29 me 1791.
  • Fen mwa Ramadan an : 1 jen 1791.
Kidonk, si Malè Sendomeng yo te òganize yon seremoni revolisyonè, yo ta dwe, selon konplo Malê Brezilyen yo, evite seremoni sakrifis yo a (Tabaski), epi yo ta dwe atake dimanch 29 me 1791. Sa vle di, seremoni ak sakrifis la ki te fèt nan dimanch 14 dawou 1791 a (Bwa Kayiman), li pa fè ankenn sans pou kalandriye Malê yo. Menm jan tou pou atak revolisyonè nan Sendomeng le 22-23 dawou 1791 la.
E kanta pou fèt sakrifis nan kalandriye islamik regilye a (ke yo fete nan Mwayen Oryan an), fèt sila ke yo rele Eid el-kebir oswa 10 Dhou al-Ḥijjah, li te tonbe nan dat 10 dawou 1791, ki te yon Mèkredi. (17) Sa fè ke dimanch (jou konje) ki pi pre dat sa a ta dwe le 7 dawou 1791, pa dimanch 14 dawou a
.

3.2- Malè yo oswa Yoruba (Nago) islamize yo nan memwa pèp ayisyen an

Nan koloni Brezil, nan Nijerya ak Benen, lidè espirityèl Malê yo te resevwa tit Alufa
 
"Aloufa, s. Yon prèt mawometan, yon prèt sèl grenn vrè Bondye a ; eklezyastik, klèje, manm presbitè." (Trad.) (18)
E konsènan sipoze "Kay yon Imam oswa Iman" ke revizyonis yo pa bouke transmèt, manti yo sa, yon lòt fwa ankò, kaba devan reyalite a. Paske, si Male yo oswa Yoruba (Nago) islamize yo, te bay kote yo fè sakrifis la non lidè espirityèl yo, kote sila ta dwe rele Bwa Kay Aloufa. Li pa t ap Bwa Kay Iman.
Epitou, nou konnen jodiya ke menm "Bwa Kay Aloufa" pa mache ak gramè Kreyòl ki te pale nan Nò Sendomeng, kote seremoni sila te fèt. "Kaya Aloufa", "Lakaya Aloufa", "Case à Aloufa" oswa "La case à Aloufa" ta pi apwopriye. Men, "Nan Aloufa", oswa "Aloufa" kareman ta pi akseptab kòm non yon plas nan Nò a.
Anplis de sa, memwa leksik Ayisyen an te konzève mo Aloufa a tou. Sepandan, li pa reflete imaj yon lidè espirityèl, men okontrè, li vle di yon moun egoyis ki manje tout bagay, san li pa kite anyen pou lòt moun
:

"Aloufa oswa waloufa adj. ak n. : Sila ki vale tout bagay san mande rete, san moderasyon, tankou yon kochon. Moun ki malpwòp." (Trad.) (19)
"aloufa a   n  Heavy, insatiable eater, glutton.   V afre, saf." (20)
Traduction :
"aloufa yon  n Granmanjè ki pa janm satisfè, gouman.   V afre, saf."
Mo "aloufa" a pran yon sans figire tou an Kreyòl ayisyen. Li kalifye politisyen kòwonpi ak nenpòt kiyès ki pwofite de yon byen kolektif.


(Liv powèm)
Sous : Samuel Frantz Suffren. Aloufa : Pwezi foto. Éditions des Vagues. [anliy] URL : https://www.associationvagueslitteraires.org/catalogue


(Pochèt mizik)
Sous : Michel "Sweet Micky" Martelly. "Aloufa". [anliy] URL : https://www.kkbox.com/tw/en/album/MoFXk0TGXtMkK.0FIj8h0091-index.html


(Afich nan manifèstasyon)
Sous : Manithor. "Manifestation pour demander l'argent du petrocaribe". [anliy] URL : https://commons.wikimedia.org/wiki/File:Petro-caribe-challenge.jpg#/media/File:Petro-caribe-challenge.jpg 

Mo "Aloufa" nan kreyòl ayisyen an, li soti nan epòk kolonyal la. Kaptif (esklav) yo ki te pote tit islamik aloufa a ta dwe konpòte yo tankou egoyis. Yo te gobe manje ankomen yo san yo pa t pataje. Li difisil pou n wè kijan moun meprizab sa yo te ka gen enfliyans sou lòt kaptif (esklav) yo ; espesyalman sila yo ki pa t pataje lafwa mizilman yo a.
Men, mizilman nwa (Malê) yo, ke Alufa yo te kòmande, yo te òganize yon revòlt nan Brezil, nan lane 1835. Yon moun ta panse ke yo te kapab fè menm bagay la anvan nan Sendomeng. Men, konplo yo a nan Bahia, ki te vize sèlman kaptif (esklav) gason ki nan relijyon yo, leta te kraze l apre denonsyasyon madanm yonn nan yo. Etni Hausa (Awousa) a te ede Malê yo nan
revòlt yo a. Men yo pa t rive agrandi revòlt la pou rive jwenn kaptif (esklav) ki pa t mizilman yo. Men, Alufa yo nan Brezil pa t sibi meprize ke Alufa nan Sendomeng yo te sibi.
San nou pa bliye ke anvan fen mwa janvye 1804, epi rive Ousmane Dan Fodio, lide fè lagè pou relijyon an oswa djihad, mizilman "Lafrik" yo pa t konnen sa. E pwiske depi 1805, kaptif (esklav) Brezilyen nan Rio, te konn mete kolye ak imaj liberatè a, Jankak Desalin, (21) Alufa yo ak Malês yo, nan lane 1835, te ka jwenn enfliyans tou nan Revolisyon ayisyen an, menm jan sa te fèt lòt kote
.
 

4- Haoussa (Awousa) ki gen islam melanje nan Sendomeng

Nan rebelyon yo nan lane 1835, Malê nan Brezil yo te gen gwoup etnik Hausa a kòm alye. Men ki pozisyon Hausa (Awousa) yo te genyen nan Sendomeng? Gwoup etnik Hausa a, ki te pratike yon kilt islamik senkretik nan peyi Nijerya ak Tchad, yo te yon kantite konsiderab nan koloni Sendomeng :

"Le 19, Lajeunesse, nasyon Awousa, li tanpe sou tete gòch li LAVRIOLS, li di li se pwopriyete Mesye Glandaz, Notè nan Pòtoprens." (Trad.) (22)
Pa gen anyen nan literati kolonyal ki pèmèt nou detaye seremoni Hausa yo nan Sendomeng.
Literati jeneral enfòme nou sepandan ke nan "Lafrik", prèt islamik Hausa yo te rele "mállami" nan sengilye a, epi "mallamái." nan pliryèl. (23)
Dènye enfòmasyon sila kontredi ipotèz "Bwa Kay Iman" an, paske, si Boukman te yon lidè relijye Awousa, dapre lojik revizyonis la, non kote li te konn fè sèvis li a ta dwe rele "Bwa Kay Mállami" oswa "Bwa Kay Mallamái", si yo te refere a plis pase yon lidè relijye.
Epi, pou nou konfòme nou ak Kreyòl nan Nò Sendomeng, nou ta dwe genyen swa : "Case à Mállami" oswa "Case à Mallamái", "Caye à Mállami" oswa "Caye à Mallamái". Epitou, Kreyòl modèn nan Nò ak Nòdès Ayiti ta mande yo di : "Lakaya Mállami" oswa "Lakaya Mallamái", "Laka Mállami" oswa "Laka Mallamái", "Nan Mállami" oswa "Nan Mallamái", elatriye. Kidonk, nou lwen anpil de "Bwa Kay Iman"
.

 
4.1- Haoussa (Awousa) yo te vòlè, dapre memwa pèp ayisyen an

Kanmenm, gwoup etnik Awousa a pa t pase inapèsi nan Sendomeng. Paske, non etnik yo Hausa oswa Aoussa, te vin "Awousa" nan lang ayisyen an. Non sila dekri moun ki gen abitid vòlè ak fè abi :
 
"arousa a, awousa a   n  Pickpocket, looter; greedy person." (24)
Tradiksyon :
"arousa yon, awousa yon   n  Pikpokèt, piyajè; moun visye."
Nan kilti ayisyen an, "awousa" parèt anpil nan nouvèl, jan vòlè leta ap toupizi peyi a.

(Prezidan "Jovenel Moïse trete yon branch nan sektè prive a de "awousa"")
Sous : Luckson Saint-Vil. "Prezidan Jovenel Moïse trete yon branch nan sektè prive a de « AWOUSA »".  (29 jen 2020) ; [anliy] URL : https://www.youtube.com/watch?v=JkoslXxO29k ; Timeline : 00:27-00:46.


("Mari ak madanm, de "awousa"" [pikpokèt])
Sous : Guy Promo Haïti. "Mari ak fanm de awousa". (30 des. 2019) ; [anliy] URL : https://www.youtube.com/watch?v=_0oIITLRRgc

Konsa, li enposib ke mizilman senkretik nan gwoup etnik Hausa a, ke popilasyon an jije vòlè, te ka jwenn konfyans popilasyon kaptif (esklav) la, ni gen enfliyans sou nenpòt ki moun ki pa t pataje lafwa yo.


5Mizilman otodòks Foula yo nan Sendomeng

Nan Sendomeng, pi fò nan kaptif (esklav) yo nan gwoup etnik Foula a te tradisyonalis. Te gen kanmenm yon minorite Foula ki te islamize. Natirèlis la, Michel Étienne Descourtilz (Michèl Etyèn Dekourtil), te fè limyè sou koutim Foula islamize sa yo. Li te montre pozisyon yo tou nan zafè Revolisyon ki t ap simaye nan Sendomeng la.
 
5.1- Foula yo, epi regleman islamik yo, dapre Descourtilz

Temwayaj Descourtilz la te okilè. Kidonk, Descourtilz te wè sa l t ap di a ak je l. Men temwayaj Descourtilz la pa t fin konplè. E malgre sa, li demontre ke nan Sendomeng, "Phylanis" islamize yo, oswa Foula islamize yo, te pratike yon islam òtodòks. Sa vle di yo islam ki pa t melanje. Malgre baryèr ke yo te jwenn nan kaptivite (esklavaj), Foula islamize yo te respekte, jan yo te kapab, yon dal nan obligasyon islamik yo :
a) Relijyon Foula islamize yo te toupre relijyon Jwif yo. Epi Foula islamize yo te priye Allah (Ala) :
"Relijyon Phylanis [Foula] yo pòtre ak pa jwif yo. Yon nèg Foula, ki se yon gadò strik de lalwa, li pafè nan limit yon nonm kapab pafè. (...) Allah, vle di Bondye nan lang yo ; epi amèn vle di, nou remèsye w dèske n manje ak bwè." (Trad.) (25)
an) Foula islamize yo te fè pwofesyon lafwa (chahada). Epi yo te imite jès Abraram nan
"Imitatè rèd de papa yo Abraram, yo devwe tankou li pou Bondye ke yo adore ; epi si se pou yo deklare lafwa yo, ak pou yo jire ke yo kwè nan Bondye, yo temwaye l lè yo rele byen fò devan kanmarad yo, "ke yo prèt pou bay pitit yo, si sakrifis sa a, Bondye ki ba yo lavi te mande l"." (Trad.) (26)
b) Foula islamize yo te preche bay lacharite, ki se yonn nan pilye islam :
"Alfa [granprèt la] te di tou :" Si w priye, epi ou pa bay pòv yo, lapriyè w yo pèdi." (Trad.) (27)
ch) Foula islamize yo pa t bwè alkòl (tafya) :
"Pa gen anyen pi etonan pase lè w wè jan de nonm konsa, ki sezi devan yon travay ke li pa t ka konprann, epi, vwalake pita, li refize tafya m te bay la, yon tafya ke yon nèg ta va pran baton pou li ; sa te depase atant mwen te gen de li." (Trad.) (28) 
Se devine nou devine pati sila. Paske Descourtilz pa t presize etnisite gid li a ki te refize bwè tafya li a. Men, Descourtilz te endike ke li te konn al lachas ak gid Phylanis (Foula), e ke li te konn itilize gid Kongo tou. Men Kongo yo te damou alkòl (tafya) :
"Kongo yo renmen tafya anpil ; yon jou mwen te bliye bay rasyon li a yonn nan yo ke m te itilize kòm aponè [frennè] nan lachas kayiman, li te di m nan yon ton nayif epi kontri :"Maître! Congo pas encore gagné dent, et vous sévréz li!" [Mèt! Kongo poko gen dan, epi w ap sevre li!] "Ki vle di, pa literalman, men nan sans parabòl :" Mèt, mwen poko manje, e mwen pa gen dan pou m manje, pa sevre m non nan tafya sa a ki pral mete m nan eta pou pran repa mwen"." (Trad.) (29)
d) Foula islamize yo te sanble pa t manje kochon
"Chak fanmi Foula vwayaje nan enteryè Lagine, yo poze twoupo bèt yo nan mitan kan ki pi bèl yo, ki pa manke satiyèt sans yo. Karavàn yo te gen bèf, jenis [jenn bèf femèl], ak chen, ki se èt itil epi zanmi fidèl ; te gen kabrit ak mouton, bèt pezib ak pwodiktif." (Trad.) (30
Enfòmasyon sila konsènan lavi Foula yo nan '"Lafrik", Descourtilz te ranmase l nan sèmon granprèt Foula yo te bay jènjan gwoup etnik li a. Absans kochon nan karavàn Foula yo nan "Lafrik" mennen nou dedwi ke Foula yo ki kenbe islam nan Sendomeng, yo te evite konsome vyann kochon ke relijyon yo entèni.

5.2- Jèn ramadan an ak fèt sakrifis Foula islamize yo nan Sendomeng

Foula islamize yo te selebre Eid el-kebir, ki se fèt sakrifis obligatwa a :

"Yonn nan Foula prezan yo, alfa sèk yo a, yon granmoun nan katreven tan, anseye pitit li yo ki antoure l, (...) ke relijyon yo a te gen anpil arevwa ak pa jwif yo ; toutbonvre, apre li te fin dekri tanp mobil yo a, li te pale de seremoni yo obsève nan jou fèt pa yo, ak sakrifis kabrit la ki rive nan jounen popilè a ki se Auderbiché [aïd el-kebir], lè yo komemore sakrifis Abraram nan." (Trad.) (31)
a) Jèn ramadan an, Foula islamize yo te selebre l chak ane :
"Festival prensipal yo a, ki renouvle chak ane, nan solstis [ekinòks prentan an], yo rele l Auderbiché [aïd el-kebir]. Foula yo obsève, anvan rive li, yon jèn de trant jou, epi dènye semèn an, chak jou, yo manje sèlman yon repa nan aswè." (Trad.) (32)
Nan revelasyon Descourtilz sa yo, nou konprann ke :
1) Menm jan ak Malê nan Brezil yo (e pètèt Male nan Sendomeng yo tou), Foula islamize nan Sendomeng yo te fikse fèt sakrifis yo a nan fen mwa jèn ramadan an. Kidonk, yo pa t fikse fèt sakrifis la plizyè mwa apre mwa ramadan an. Men, kontrèman a Malê nan Salvador de Bahia (Salvadò de Baya) yo, Foula islamize nan Sendomeng yo pa t swiv kalandriye mizilman an pou dat ramadan an.
2) Foula mizilman nan Sendomeng yo te fè seremoni sakrifis anyèl yo (Eid el-kebir) nan premye jou sezon prentan, kise ekinòks prentan. (Descourtilz te tronpe li de mo. Li te ekri Solstis olye de Ekinòks).*** Apatide de dat Ekinòks prentan an, Foula islamize yo te fè bak 30 jou pou yo te detèmine dat ramadan yo a.
3) Apa ramadan ak fèt sakrifis la, pou rezon pratik, rès kalandriye relijye Foula islamize yo te modle sou jou fèt koloni a. Kalandriye relijye sila, ke nou detaye isit la, anseye nou anpil bagay sou patisipasyon (ou pa) de mizilman òtodòks yo : premyèman, nan seremoni ke yo rekonèt kòm Bwa Kayiman an ; dezyèman nan Revolisyon ayisyen an :

Kalandriye relijye Foula islamize nan Sendomeng yo
Jou konje kolonyal (eksepte jou ferye patronal ak administratif)
Seremoni islamik regilye yo
Seremoni islamik espesyal yo

Jou delan
Samdi 1 janvye 1791

30 jou anvan Ekinòks prentan an

Dimanch 20 fevriye 1791, kòmansman mwa jèn ramadan an
Ekinòks (oswa premye jou) sezon prentan an

Dimanch 20 mas 1791 (fèt sakrifis islamik la, Eid el-kebir, ke Descourtilz te bay non Auderbiché ; li selebre nan fen ramadan, dapre koutim nan "Lafrik" de Lwès.
Anonsyasyon
Vandredi 25 mas 1791

Pak
Dimanch 24 avril 1791

Asansyon
Jedi 2 jen 1791

Pannkòt
Dimanch 12 jen 1791

Asonmsyon
Lendi 15 dawou 1791 (Li selebre dimanch 14 dawou 1791 ; se pa t nan Bwa Kayiman, men yon lòt kote)

Fèt Sen Lwi
Jedi, 25 dawou 1791 (Li pa t selebre paske revòlt la te pete nan 22-23 dawou)

Latousen
Madi, 1ye novanm 1791 (Li pa t selbre ofisyèlman akozde ajitasyon yo)

Nwèl
Dimanch 25 desanm 1791 (Li pa t selbre ofisyèlman akozde ajitasyon yos)


Sous (dat fèt katolik yo) : https://www.calagenda.fr

4) Pou ane revolisyonè 1791 la, sakrifis anyèl Foula yo te tonbe le mas 20, ki te premye jou sezon prentan an. Pandan ke mwa ramadan yo a te kòmanse le 20 fevriye. Kidonk, Foula islamize yo pa t òganize sa yo rele seremoni Bwa Kayiman an. E menm si Foula islamize yo te swiv kalandriye mizilman (Hejiryen) an, dat fèt Eid el-kebir yo a t ap vini le 10 nan mwa dhou al-hijja, lane 1205, ki koresponn ak mèkredi 10 dawou 1791.
Men, pwiske kaptif (esklav) yo te sèlman gen konje le dimanch ak jou fèt, Foula islamize yo ta va chwazi dimanch ki pi pre a. Sa ta va dimanch 7 dawou, ke yo ta va etabli fèt sakrifis yo a. Epitou, 4 dènye jou nan mwa jèn ramadan an - ki koresponn ak le 7, 8, 9, 10 dawou 1791 - se jou ki pi sakre pou islam. Se poutèt sa pa gen okenn rezon ki fè 14 dawou 1791, dat seremoni an Bwa Kayiman an, ta dat sakrifis pou mizilman yo.
5) Foula mizilman nan Sendomeng yo tou te fè yon seremoni relijye òdinè (ki pa t gen sakrifis) nan dat fèt kolonyal asonpsyon an, ki se dimanch 14 dawou 1791. Menm jou sila, tradisyonalis yo, ki te rasanble nan Mònwouj, te aktive pwòp seremoni sakrifis yo, ki te swiv yon reyinyon oswa yon "kongrè" politik. Seremoni politik-relijye nan 14 dawou sila, ansanm ak yon lòt seremoni nan dimanch 21 dawou 1791, yo fòme seremoni revolisyonè Bwa Kayiman an ki te tanmen Revolisyon ayisyen an
.

 

5.3- Granprèt Foula a, daprè Descourtilz

a) Granprèt Foula islamize yo ak zafè ekriti
Dokimantasyon yo montre ke granprèt Foula islamize yo te konn li ak ekri. Revizyonis yo envante ke yo te entèdi ekriti rejwenn kaptif (esklav) yo, tankou Boukman Dutty. Epi sila yo ki ta dezobeyi a entèdiksyon an, y ap jwenn pinisyon grav. Sepandan, nan ekstrè sila, non sèlman ekriti granprèt la (alfa) pa te kache, granprèt la te ofri li kòm kado bay kolon Descourtilz
"Yonn nan Foula prezan yo, alfa (i) sèk yo a, yon granmoun nan katreven tan, anseye pitit li yo ki antoure l, ke moun ki nan relijyon l an te viv nan Ginen, nan lapè ak nan yonn konprann lòt (...)
(i) Granprèt ak sakrifikatè. Brav benjamen sila, ki dou kon lezanj, e antanke vye granmoun, li abitye aksepte resevwa ensilt jenn nèg manfouben yo ak reziyasyon, li fè m kado plizyè adwaz ki fèt ak tach banbou, kote l te trase ak bagèt ke l fann, e ak lank ki fèt ak ji sitwon ak pòpòt zakasya, dògm [kidonk kwayans] relijyon li an, ke mwen regrèt anpil dèske m pa t ka pote l avè m an Ewòp. Liy sa yo, ki ekri nan direksyon opoze lizaj nou, se lèt yeroglifik ki varye anpil e ki etranj anpil." (Trad.)
(33)
Fantezi revizyonis la, ki fè kwè ke ekriti te bay yon kaptif (esklav) mizilman otorite sou kanmarad li yo, li demanti la. Anplis de sa, Descourtilz te souliye mank respè san rete ke granprèt mizilman an te konn sibi, menmsi l te konn li ak ekri. Descourtilz di de granprèt la : "antanke vye granmoun, li abitye aksepte resevwa ensilt jenn nèg manfouben yo ak reziyasyon." 
Men, kisa ekriti vye granmoun sa a, yon ekriti ki pa oksidantal, ta itil, lè kolon an (Descourtilz nan ka sila) pa t ka li li? Pa gen okenn fason kaptif (esklav) yo te ka fòje yon fo lesepase nan ekriti madjigidja sila ki fèt ak "lèt yeroglifik ki varye anpil e ki etranj anpil".

an) Tit "alfa"a ak revizyon Bwa Kayiman an
Nan Sendomeng, granprèt Foula yo te pote yon tit ki gen rapò ak "alufa" Malé yo. Li se "alfa". Se pa imam, ni iman :
"Yon nèg Foula, ki se yon gadò strik de lalwa, li pafè nan limit yon nonm kapab pafè. Granprèt yo ke yo rele alfa, li pa abize otorite ke konfyans yo etabli nan li." (Trad.) (34)
Safèke, lide revizyonis la ki di ke "Kayiman" refere a (Kay Iman), kidonk kay yon Imam (oswa Iman), lide sila pa mache ak reyalite a. Rezidans yon granprèt Foula ki ofisye seremoni sakrifis yo ta dwe rele "Kay Alfa".
E menm fòm sila bay pwoblèm. Kreyòl ki te pale nan Nò Sendomeng - ki se sit seremoni pre-revolisyonè a - li mande pou yon moun di swa "Kaya Alfa", "Lakaya Alfa", "Case à Alfa" oswa "La case à Alfa". "Nan Alfa" oswa jis "Alfa" mache tou.
Anplis, tanp kote Foula islamize yo òganize fèt sakrifis anyèl yo a, se pa te kay abitab. Se te tonèl oswa estrikti tanporè ki te monte nan menm jounen an
:

"Tanp ke yo bati nan prese a, lè se pou yon sèvis sakrifis bèt, yo rele l guine-grine [gin grin], andedan l, yo pa janm antre san yo pa pirifye tèt yo anvan, menm jan ak Jwif yo, ak yon beny pye ak men yo.
[Yo] byen konvenki ke nan yon bèl konstriksyon, oswa nan yon chanm ki senp, mayifisans Bondye Kreyatè a toujou menm bagay la. (...) Yo konpanse rezidans ke yo pa genyen pou bati tanp estab, pa chwa yo de kote ki apwopriye pou raproche èt la de Kreyatè li." (Trad.)
(35)
Ann remake tou ke Foula yo te konn al lachas kayiman ak Descourtilz :
"Mwen te pati yon jou granm bonè nan maten pou m t al lachas kayiman ki t ap toumante rivaj nou yo, (...) nou t ap swiv an silans yonn nan plizyè bra Lestè, lè yonn nan nèg mwen yo te wè yon mawon e li kwè ke l te rekonèt yon nanchon Foula (nanchon vle di konpatriyot), (...) yonn nan yo ki rele Fleuri [Fleri], rele l byen fò ak yon gwo vwa kavo : hokou ! ki vle di bonjou." (Trad.) (36
Anplis de sa, èd lachas Descourtilz sila menm, ki te yon Kongo, te klèman itilize mo "kayiman" an, nan konvèsasyon l an Kreyòl :
"Mwen te wè yon jou, menm frennè [Kongo] a ki t ap charye an kachèt kèk moso, ak tout san, de yon kayiman ke mwen te apèn fin obsève sikilasyon san li. Mwen pa t sonje nan ki konvèsasyon li te di m, pandan m t ap fè eksperyans mwen : "Maître, n'a pas faire li souffrir comme ça donc ! caïman li y'oun' boun' bagage, et pis vous va malheureux, quand vous va mouri." ["Mèt, pa fè l soufri konsa, non! Kayiman se yon bon bagay, anplis, ou pral pase pay, lè w pral mouri."] (...) Li te anonse m, nan yon parabòl de metansikoz,**** ke kòm mwen te fè kayiman yo soufri anpil, mwen menm tou, apre lanmò m, mwen pral sibi mechanste premye chasè k parèt." (Trad.) (37)
Prèv sa yo kontredi revizyonis yo ki renmen di ke pa te gen kayiman nan Sendomeng ; e ke mo "Kayiman" an, nan seremoni "Bwa Kayiman", pa t ka soti nan non bèt la. Men, detoutfason, Foula islamize yo pa t ap janm fè yon seremoni koudjay (ak kout tanbou, chante, elatriye) tankou sila ki te blayi nan Mònwouj le 14 dawou 1791 :
"Poul [Foula] yo, depi yo mawometan [mizilman], yo vire do bay amizman lòt nwa yo pi renmen, dans ak mizik; mwen pa wè lakay yo okenn lòt enstriman mizik ke yon sòt de genbad [yon bout resò ki rezonnen] : se sèl yon zòrèy Afriken k ap damou son li." (Trad.) (38)
Jan nou mansyone anvan nan yon atik, mizik koudjay ak doktrin islamik pa fè menm rout. Ekstrè nou sòt bay la soti nan obsèvasyon Gaspard-Théodore Mollien te fè nan Seneganmbi pandan plizoumwen menm peryòd la (1818). Menm jan an tou, nan seremoni sakrifis Foula Sendomeng yo, ke Descourtilz pral byen detaye, mizik koudjay pa parèt ladan. Anplis de sa, jan nou pral wè, Foula islamize yo te ekzije "yon gwo manman silans ki chaje ak respè".


5.4- Deskripsyon yon seremoni sakrifis islamik nan Sendomeng

a) Sous dlo nesesè nan anplasman sèvis la, nan kilt Foula islamize yo
Revizyonis yo renmen repete ke pa t gen okenn Kayiman nan Bwa Kayiman (Mònwouj). Men, sa ki sèten se ke pa gen okenn kaskad dlo nan kote sa a. Byenke kaskad dlo obligatwa nan anplasman kote Foula islamize Sendomeng yo fè sèvis sakrifis yo :

"Vizyon yon rak bwa epè, ki gen bonjan vejetasyon rann temwayaj anfavè Otè Lanati a ; se premye bagay ki atire atansyon yo ; yo enspekte plas la, epi yo chèche reyini, anba vout li, tout kalite ki nesesè. Forè gwo pyebwa wo, ke se sèlman anwo tèt li van balanse, yon limyè fèb ki pwodwi pa lonbraj gwo pyebwa yo, bèl zèb vèt ki etann kon napon, pye fwi, pou yo ofri premye fwi yo epi trase vironn yo; wòch k ap tranble anba bri kaskad dlo ki chwazi pou pirifye ansanm ak kenbe plas la fre ; yon gwo manman silans ki chaje ak respè ke relasyon dirèk ant moun ak Bondye mande, ki koupe sèlman pa zwazo ki kreye pou chante lwanj li, sa a se kote ki chwazi nan fon kanpay yo, pou bati tanp yo." (Trad.) (39) 
Eben, kijan yo eksplike ke mizilman ta chwazi Mònwouj (Bwa Kayiman) pou yon reyinyon ki gen plis pase 200 reprezantan, lè pa gen okenn larivyè (oswa kaskad dlo) pou reprezantan sa yo ka lave manb kò yo anvan yo kòmanse lapriyè (ki yon obligasyon islamik)?

an) Seremoni islamik la, nan lajounen, li mande pou kouronn flè sou tèt
Nou pa ka imajine Boukman akonpaye ak 199 lòt kòmandan atelye (maton nan koreksyon kòporèl) ansanm ak yon dal chofè ògeye, k ap ale nan Bwa Kayiman ak kouronn flè sou tèt yo.

"Apèn zetwal maten an anonse yon nouvo jou, (...) yo pran make tras pa yo nan bouk yo ke lawouze kontinye mouye, yo chèche flè pou yo kouwonnen tèt yo, e yo keyi yo ak yon kokennchenn koulè fre, ansanm ak yon sant ki poze ak dous, epi lè yo klere tankou pèrl k ap balanse apre seren te fè yo pouse. (…) Sepandan moman an apwoche lè sakrifis la pral anonse, e tout Foula yo rasanble toupre alfa a, yo mennen l kòmanse seremoni an. Me pwosesyon an mete devan. Douz twonpèt louvri chimen an ; de kolòn Foula swiv li, gason ak fanm, kouwonnen epi separe yonn ak lòt ; dèyè yo, ap avanse ak pa ki pi piti ak pi prese, douz ti gason ak tèt yo kouwonnen tou ak flè melanje, e nan mitan yo, yo kenbe gilann ki fèt ak roz blan." (Trad.) (40)
Separasyon fanm ak gason an demontre karaktè islamik seremoni sila. Men, sa rive nan limit ridikil pou w panse ke revolisyonè Sendomeng yo, ke yo rekonèt nan lemond pou zak tchak yo, ta patisipe nan jan de maskarad sila ki fèt ak flè santi bon ke yo fèk ranmase.

b) Seremoni islamik la te vize yon fo sakrifis yon timoun, tankou istwa Abraram an


Bèt yo rele kochon an pa t menm pase nan lespri mizilman yo ki t ap patisipe nan fèt anyèl yo a. Okontrè, yon timoun kòm objè sakrifis yo, se te pwen santral seremoni an. Sepandan, nan Mònwouj, pa gen okenn mansyon de yon pwosesyon de timoun ak kouwòn flè, ke yon delegasyon komandè bitasyon ansanm ak elit bitasyon te fè sanblan yo pral sakrifye :
"Yon jenn viktim, yon trèzyèm timoun kouwonnen ak flè nan menm koulè a. Finalman alfa a ke vyeyès ralanti pa li, swiv ak difikilte, epi se konsa pwosesyon senp sila te fini.
Lè yo rive nan plas chwazi pou konsomasyon sakrifis la, yo jwenn estrad sakrifisyèl la toupare, kouto file a poze anba, epi vaz pou pirifye granprèt la anvan l egzèse fonksyon ministè l. Moun yo divize epi ranje yo nan yon sèk, epi alfa a rive nan pye estrad sakrifisyèl a, toujou ak gwoup timoun yo devan li. Sila ke yo chwazi pou viktim an wete flè l yo, epi li prezante bay pèp la, pandan l ap rele byen fò moun ki bay lavi yo. Yo menm, chaje ak glwa deske yo te chwazi pou sakrifye pitit yo bay Bondye, yo rejwenn yon dènye fwa timoun damou yo, ki sèl espwa yo, an silans, y ap soufri yon dal doulè nan dènye akolad yo, epi, pou yo bay prèv solid de tout devosyon yo nan kòz Bondye, yo bo yon dènye fwa pitit yo, ki limenm fè siy apwobasyon li lè pwente ak ti dwèt li wout ki mennen nan syèl la ; fanmi pi pwòch li yo mete l sou estrad sakrifisyèl la." (Trad.)
(41)
Nou wè isit la ke sakrifis anyèl kaptif (esklav) islamize yo pa t politik ni revolisyonè. Objektif sakrifis yo a te sèlman relijye : fè sablan yo te Abraram ki t ap bay Bondye pitit li pou sakrifis.

ch) Yon mouton te ranplase timoun an kòm sakrifis
Foula islamize nan Sendomeng yo pa t sakrifye timoun. Ni yo pa t sakrifye kochon. Nan dènye moman, yo te ranplase timoun an, ki senbolize pitit Abraram an, pa yon mouton ke granprèt la te sakrifye :

"Se lè sa a, prèt sakrifikatè a, apre li te fin rele Letènèl, te louvri je asistan yo, li te fè yo konnen Bondye pa t kreye moun pou yo vin viktim li, e ke sakrifis sila pa akseptab pou li ; ke li kòmande kreyasyon an, epi èkstèrminasyon moun, se yon bèt ki soumèt a volonte l ki dwe ranplase l. Menm lè a, yo retire timoun an nan estrad la, yon gwoup nonm leve l pi wo ak bra yo ki gen latranblad, yo ofri l bay pèp la ki, nan moman sa a konsidere l, epi yo ranplase l pa yon mouton ke alfa a touye imedyatman. Se, jan nou wè l, yon similak de sakrifis Abraram an." (Trad.) (42)
Paske, yon mizilman pa t ap janm aksepte yon kochon kòm bèt sakrifis li. Agiman an, me li eksplike aklè. Mouton an, yo site l kòm bèt ki pi "soumèt a volonte Bondye" kretyen, jwif ak mizilman yo. Epi, yo opoze l ak vyann kochon, ki entèdi nètalkole nan kilt mizilman ak jwif yo, menm jan tou nan kilt advantis ansanm ak lòt sèk pwotestan.

d) Islamize yo te evite tout kontak ak san ; ale wè pou kontak san ak bouch yo
Nan lavi chak jou yo, Foula islamize yo te evite, otank posib, kontak ak san bèt, jan islam egzije yo :

"Bouche Foula oblije swiv pwòpte ki pi ekstrèm an, e yon amann konsiderab ap tann yo, lè kouto a ki pandye bò kote yo tache ak yon gout san, oswa lè rad yo tranpe ak li." (Trad.)  (43)
Nan kontèks sila, nou ka afime ke pa te gen okenn kontak ak san bèt, nan sèvis sakrifis Foula islamize yo. Kidonk, seremoni sakrifis anyèl yo a te diferan de seremoni tradisyonalis yo nan Bwa Kayiman. Kote, ak dwèt yo, patisipan yo te pran yon gout san kochon sakrifye a, ke yo te kole sou pwent bouch yo.
 
5.5- Mizilman otodòks Foula yo kont Revolisyon Ayisyen an

a) Nan seremoni sakrifis mizilman yo, granprèt la te preche kont revòlt esklav yo
Non sèlman mizilman yo pa te fòs dèyè seremoni Bwa Kayiman an, pandan seremoni sakrifis anyèl yo, ke Descourtilz te dekri alantou de 1800-1803, granprèt yo (alfa) te bay disip li yo lòd pa patisipe nan "revòlt" la ki te deja ap mache depi lontan. Paske, Allah (Ala) Bondye yo, entèdi bagay sa :

 
"Ofrann an te fin boule nan dife a, alfa a ansanm ak pèp la bese tèt atè pou rann Bondye gras; yo bo tè avèk imilite, epi yo leve ak bra yo kwaze sou lestomak yo, alfa a preche kwayans sakre enstitisyon l an nan tèm sa yo. (…) Alfa a te di ankò : "Si ou pa pran swen pòv yo, si ou touye oswa vòlè; si esklav la revòlte, si ou pa ede malad yo, tranble! Bondye ap pini w"." (Trad.) (44)
Granprèt Foula mizilman yo te preche kont Revolisyon Ayisyen an, lè li te nan faz final li a, (pwiske Descourtilz te patisipe nan seremoni sakrifis Foula yo nan anviron lane 1800-1803). Sa pwouve avèk sètitid ke Foula mizilman otodòks yo pa t janm sipòte Revolisyon ayisyen an.
An menm epòk la, nan 1802, yon lòt otè, Jean-Baptiste-Léonard Durand (Jan Batis Leyona Diran), te dekri mepri Foula mizilman (nan "Lafrik") yo te genyen pou Nwa yo, epi afeksyon yo pou Blan
:

"San vèrsè ki pa trò charitab nan koran an, Foula nan Bondou yo, ki bon natirèlman, ta pi bon ankò ak etranje yo (...) Pèp sa yo gen pi gwo estim pou orijin yo ; yo konsidere lòt nèg yo tankou enferyè yo; e lè yo pale de lòt nanchon yo, yo toujou aliyen tèt yo nan ran blan yo, ke yo konsidere tankou pèp eli, e ki se premye nan nasyon yo." (Trad.) (45)
Lòt otè sila, Gaspard-Théodore Mollien (Gaspar Teyodòr Molyen), te obsève nan lane 1818, ke Foula islamize nan "Lafrik" yo, ki fanatik pèp Mòr yo, te kwè ke plas Nwa yo se nan esklavaj, apre sa, se nan lanfè :
"Tout Foula yo se mawometan ak obsèvatè rijid de lòd relijyon an; chofe ak anvi repann relijyon yo, yo pouse entolerans yo jouk nan kòlè. Yo se san dout yonn nan nanchon pi fyè ki egziste.
Foutatoro a se, dapre rezidan li yo, premye nan mond la, e Foula a se nonm par ekselans la. Nan opinyon yo, Ewopeyen an distenge sèlman pa endistri li, men li lach epi san fòs. Nèg la, desten li se viv nan esklavaj, epi apre lanmò li, se jete pou yo jete l nan dife lanfè; se sèl pèp Mòr ki brav, li ka plase apre Foula a." (Trad.) (46)
Atitid patizan esklavaj la, Foula islamize yo pran l nan relijyon mizilman an. Islam anseye yo ke moun Nwa se desandan Cham. E ke yo te jwenn "madichon" nan men Noye ki te kondane yo pou yo vin esklav Blan (ak Arab) yo :
"Pou n pale dirèk, se sèlman Afriken yo, ki soti Kap Blan [Tinizi], ak Kap Nèg [Tinizi], ke yo ka di k te fèt pou sèvi esklav. Mizerab sa yo admèt san grate tèt, ke yon santiman entim di yo ke yo se yon nanchon madichonnen. Sila yo ki pi espirityèl, tankou sila yo ki soti Senegal yo, te aprann atravè yon tradisyon, ki donnen nan mitan yo, ke malè sila se rezilta Peche papa yo Tam [Cham], ki te pase Papa l [Noye] nan betiz. Senegalè sa yo se, yo ki pi byen fèt pami tout Nèg yo, yo ki pi fasil pou yo disipline, epi ki pi apwopriye pou sèvi domestik." (Trad.) (47)
Sepandan, dapre lejand jwif, mizilman ak kretyen sila, Noye pa t janm madichonnen Cham, ki se yon non yo pran nan non peyi Lejip ansyen : ki te rele Kamit oswa Kemit (Tè Nwa), Km (Nwa).***** Noye ta sepandan klèman rele "Madichon pou Kanaran", non ki deziyen Liban aktyèl la, kidonk zansèt Arab yo. Men, olye pou yo atribye fo madichon sila a tèt pa yo, Arab-mizilman yo prefere pase l bay Nwa yo konvèti yo, pou yo ka domine yo pi byen. Menm jan an tou, prèt Panyòl la, Bartholomé de Las Casas (Batolome de Las Kazas), te reentèrprete lejand sa a pou l te lakòz esklavaj moun nwa nan Lamerik.

an) Foula mizilman yo ak entèdiksyon touye
Alfa a oswa granprèt Foula mizilman yo te entèdi yo "touye". Entèdiksyon sa a pa konpatib ak seremoni Bwa Kayiman an ki te pwovoke soulèvman jeneral la ki te lakòz lanmò plizyè santèn kolon blan. Descourtilz limenm te opoze dosilite Foula islamize yo ak feròsite tradisyonalis nan gwoup etnik Dyabon an :

"Nou kite reyinyon ak bon Foula yo ak plis regrèt ankò, ke neyofit (kidonk apranti) mwen an avè m, nou te tande ak endiyasyon plizyè konfesyon nèg Dyabon yo, ki mechan ak feròs pa abitid otan ke pa karaktè.
Monstr sa yo imole pou dye yo, dapre konsèy prèt yo, etranje yo ke yo bare sou tè yo, pandan ke nan mitan yo, yo tolere asasina kanmarad yo." (Trad.)
(48)
Descourtilz te opoze tou respè Foula islamize yo te bay granmoun, ak mank respè grav ke Kongo yo (gwoup etnik ki pi anpil, epi yonn nan pi tradisyonalis an pousantaj) te genyen pou granmoun :
"Kongo yo, poko prèt pou respekte granmoun yo tankou Foula yo, yo pa gen okenn konsiderasyon pou paran aje oswa enfim yo, epi yo fòse granmoun yo pile mayi ke yo pral manje pou kont yo." (Trad.) (49)
Nou kwè gen rapò ant mepri Kongo yo pou granmoun yo ak revolisyonè nan Sendomeng yo ki te rezève pi gwo tòti yo pou kolon ki pi aje yo. Paske, dapre estimasyon revolisyonè yo, kòm granmoun yo te viv lontan, yo te maltrete kaptif (esklav) yo pou yon peryòd ki te pi long.
Move atitid Kongo yo kont granmoun aje a, li kite mak sou kilti ayisyen modèn an. Mo Kongo
"Ba-Kulu" a, ki vle di "vye granmoun yo", li vin "Bakoulou" nan Kreyòl ayisyen, kote li sinonim (kidonk li parèy ak) "visye, mansonjè, oswa vòlè". Se sa k fè yo itilize adjektif  "vye" (ansyen) nan Kreyòl ayisyen pou kalifye tout bagay ki "dezagreyab, san valè, endezirab, degoutan, lèd", elatriye.


b) Foula islamize yo ak kòd moral pre-islamik la oswa anvan islam an
Nou ta renmen fè remake ke relijyon mizilman Foula Sendomeng yo te opoze yo ak kaptif (esklav) revòlte yo e ak Revolisyon Ayisyen an. Men respè yo pou granmoun, pou pòv ak enfim, sa te lakay yo anvan islam. Respè sila soti nan Pulaaku (Poulakou), ki se kòd moral tradisyonalis ki gen plisyè milenè, ke Foula yo (islamize oswa tradisyonalis) swiv.
Mwen menm, pèsonèlman, mwen te resevwa edikasyon Pulaar (Foula) sila ki - kontrèman ak vèsyon mizilman li a - pa t tolere ankenn enjistis (kit sosyal, rasyal, relijye, ekonomik, elatriye). Edikasyon respektab rèd sila, li se eritaj zansèt Foula matènèl mwen ke yo te rele Augustin (Ogisten). Msye te viv nan Nò Sendomeng, nan lokalite Katyemoren (Bonnay oswa Bòne). Me yon anons ki te pale de li nan mwa dawou 1777
:
 
"Nan Okap, te antre nan Prizon an, le 16 nan mwa sila, Augustin, nanchon Poular [Foula], li gen 30 an, li avèg nan je dwat li, etanp li pa lizib, li di li se pwopriyete Mesye de Beaunay, nan Katyemoren." (Trad.) (50)
Pitit pitit Augustin, ki se yon fi, ki te pote prenon l kòm nondfamiy+ - e prenon manmzèl chape memwa m - li te fè pitit pou (zansèt bò manman m) Jeneral/Senatè Annibal Béliard, ki se pitit pitit Anri 1ye alyas Anri Kristòf.++

(Jeneral/Senatè Annibal Béliard)
Sous : Marc Péan. L'illusion héroïque : 25 ans de vie caapoise, 1890-1915. Port-au-Prince, 1977. p.136.

Men, nan edikasyon familyal Peul (oswa Foula) sila ke m te resevwa nan lyen Augustin an, li pa gen anyen ki konekte ak yon pase islamik. Edikasyon Foula sila ki minorite an Ayiti, li konsantre sou respè pou granmoun, obeyisans, pataj, laverite, kontwole tèt ou, elatriye. Li soti nétalkole nan Pulaaku, ki se kòd moral Foula yo anvan islam. Omwen, nan vèsyon nomad Pulaaku a. Paske kèk reflèks nomad parèt depi lontan nan kèk manm nan fanmiy an.
Mwen ta menm sijere ke edikasyon Foula ayisyen mwen an, nan rigè (disiplin), ak panse a lòt moun ke li chita nan mwen, li responsab de akonplisman m de jan de etid sila. Yon etid ki, nan opinyon modès mwen, pa lwen sansiblite Foula Malyen an, ki se Amadou Hampathé Ba. Ni li pa lwen jenerozite ki genyen nan dal tèks Foula ki afiche sou entènèt la, e ki disponib tout moun.
Kòm gwoup etnik Foula (Peul) a te yon minorite nan Sendomeng, anpil aspè nan edikasyon li ra an Ayiti. Yonn nan rezon ki fè entelektyèl ayisyen yo ka raman kontante yo de sa ki prouve ; ni reflechi sou enpak grav demagoji egoyis yo. Sa k fè y ap naje nan medyokrite pou anpil tan ankò.


5.6- Foula yo nan memwa ayisyen

Se Foula tradisyonalis yo ki rete nan memwa ayisyen. Kilt zansèt Foula yo fòme Nasyon Sakre a, ke yo rekonèt tankou Nanchon Foula nan relijyon tradisyonèl ayisyen an. Nanchon sakre sila ki kontribye Divinite (Lwa/Jany) tankou : Lawe, Lawedji, Balenndjo (ke nou te panse te soti nan kilt Mandeng yo), Bazilo (oswa Bagilo), Èzili Dantò, Èzili Boran (ke nou te panse te soti nan pèp Boran an nan Kenya), fanmi Lwa/Jany Toro a, elatriye. San nou pa bliye mo "foula" a li menm, ki konsève siyifikasyon orijinal li, sètadi dispèsyon : 1) de pèp Foula nomad la, nan kontèks "Afriken an"; 2) dispèsyon yon likid ki soufle ak bouch, nan seremoni tradisyonèl ayisyen an. Vèb kreyòl "foulaye" a soti nan mo "foula" a.

Foula islamize sedantè yo, alyas Toucouleur oswa Halpullar (Apoura), yo te voras

Gwoup etnik ke dènyèman kolon franse yo rele Toucouleur (Toukoulèr), yo pa parèt nan lis kaptif (esklav) nan Sendomeng. Toucouleur yo te rele tèt yo "Halpulaar" (Halpoular), sa ki vle di "sila yo ki pale Pulaar". Gen kèk chèchè ki di Toucouleur yo pa Pulaar oswa Foula. Men, agiman ki pi konvenkan an, li soti nan bouch Foula yo menm, ki di ke Toucouleur yo se Foula sedantè (kidonk ki pa pwomennen tankou nomad) yo ye. E yo te rete nan Fouta Toro. (51)
Kit li se non yon gwoup etnik separe ki pale lang Pulaar oswa Foula, kit li se yon pèp Foula mizilman sedantè, mo "Halpulaar" la, li konsève antanke "Apoura" nan Kreyòl ayisyen an. Li vle di yon voras, yon vòlè :
 
"apoura   attrib   1. Gluttonous.   (syn) saf, afre.
     2. Greedy and aggressive." (52)
Tradiksyon :
"apoura   atrib   1. Granmanjè.   (sin) saf, afre.
    2. Visye ak agresif."
Etandone ti kras resous ke yo te bay popilasyon kaptif (esklav) la nan Sendomeng, repitasyon granmanjè sila te rann Toucouleur oswa Halpulaar yo endezirab. Se yon gwoup ki te islamize depi 11yèm syèk kretyen an. Se poutèt sa nou ka rejte lide enfliyans yo sou popilasyon kaptif (esklav) la.

6- Kilt senkretik Ayisyen ki gen orijin Mandeng yo nan Balan

An 1960, Carl Peters (Kal Petèrz), yon prèt katolik ki t ap travay nan Nò Ayiti, te fèk patisipe nan "kanpay anti-sipèstisye" a, ki te yon mouvman jenosid kont relijyon tradisyonèl la. Poutan, li te fè ak netralite yon etid ki rele "Société Mandingue" (Sosyete Mandeng). Repibliye nan lane 1965, etid sila te revele nan Balan, toupre Mònwouj, yon gwoup Ayisyen ak eritaj Mandeng ki te kenbe sèvis fineray tradisyonalis yo.
Ane annapre a, an 1966, antwopològ ayisyen Gerson Alexis (Gèrson Aleksi) te apwoche kilt tradisyonèl nan Balan an ak yon patipri islamik, nan atik li a, "Aperçu sur les Mandingues haïtiens", ki te ekri an 1967.
An 1991, 200yèm anivèsè seremoni yo rele Bwa Kayiman an, te kondwi de entelektyèl franse antre nan won an : Gérard Barthélemy (Jerar Bartelemi) (1992), Charles Najman (Charl Najmanm) (1995). Yo te elaji epi popilarize tèz revizyonis la ki konsantre sou kilt nan Balan an ke yo ta vle islamik.
Depi lè sa a, lòt entelektyèl+++ te lage kò yo nan piyay la:
  • Rachel Beauvoir-Dominique & Eddy Prophète (2000, 2001)
  • LeGrace Benson (2001, 2006)
  • Ulrich Fleischmann, Alex-Louise Tessonneau (2003)
  • Jean Rénald Clérismé (2009)
  • elatriye.
Menmsi yo fè sanblan yo gen netralite syantifik, entelektyèl revizyonis sa yo te chache tout mwayen pou yo te tabli epi anplifye yon koneksyon islamik nan Balan. Objektif yo sanble, se efase aksyon tradisyonalis yo nan Revolisyon Ayisyen an.

6.1- Non "Maromèt" la an Ayiti (Balan)

Carl Peters te rapòte, ke dapre kèk moun, manm sosyete yo rele "Sosyete Mandeng" oswa "Sosyete Maromèt" la, yo rele tèt yo "Maromèt" :
 
"Toupre Okap, nan zòn ant Mònwouj ak Balenbe e pi presizeman nan Balan, Kanlwiz, Labadi, nou rankontre yon gwoup etranj ki rele :" SOSYETE MANDENG".
Nan yon ankèt tou kout, kèk te di :
Konpayi an rele "SOSYETE MAROMÈT", sèvis la : "SÈVIS MANDENG", epi operatè yo : "MORY".
Gen lòt ki deklare : Sosyete a rele "SOSYETE MANDENG", moun ki fè pati sosyete sila : "MAROMÈT" (èske li ta yon defòmasyon de Mahomèt?)." (Trad.)
(53)
Non "Maromèt" la te sètènman atire atansyon Reveran Peters. Chèchè sila sepandan te kontante l revele ak objektivite seremoni senkretik yo ke l te obsève. Men, etnològ ayisyen Gerson Alexis pa t pataje enpasyalite Peters la. Pou kòmanse, li pèsiste nan separe pratik moun Balan yo de pratik rès pèp Ayisyen :
"Mandeng yo pèmèt tèt yo (sitou jodiya) vin yon gwoup relijye separe epitou yo ka katolik, vodouyizan, e menm pwotestan.
(...)
Li di de kilt li ke li se pi otantik la, nan konpare ak pratikan kilt "Kannari" a ansanm ak "Vodou" a. Dapre konpreyansyon l, Mandeng la se kilt Afriken ak pi bon kalite.
(...)
Mandeng yo di ke yo manm "Sosyete wa Mohomèt"." (Trad.)
(54)
Santiman eksklizivite ak siperyorite relijye sa a, li pa inik a Balan. Li se yon fenomèn ayisyen. Rezidan Mawouj, nan Nòdwès, ki idantifye tèt yo plis ak kilt tradisyonèl Kongo a, yo demake tèt yo de kilt "Vodou" a, sètadi de kilt "Rada" a ke pèp Arada a te mennen soti nan Dawomen (Benen) :
"Daniel Louisius menm ajoute ke rezidan nan Mawouj yo pa menm konnen "Rada" a, kidonk rit prensipal gwoup etnik yo ki soti Benen (Dahomey) e ki venere "Vodoun" yo. An reyalite, yo konsidere "Rada" a tankou yon kilt pou bòkò ak move entansyon. Nan Mawouj, yo adore Lenglesou…" (Trad.) (55)
Menm jan an tou, tradisyonalis nan Nò ak Nòdès yo konsidere kilt "Jany" yo plis "pi" ak onorab pase kilt "Lwa" yo ki venere nan rès peyi a, e ke yo konsidere kòm yon bagay ki mal. E sa a, malgre lefètke "Jany" ak "Lwa", se sinonim (kidonk, vle di menm bagay).
Anplis de sa, Ayisyen sa yo nan Balan, ke Gerson Alexis mal kalifye kòm "Mandeng" yo, lizay yo de mo "Maromèt" la koresponn plis ak mannyè tradisyonèl la pase pa mizilman yo :

"Mandeng la kwè nan ekzistans yon Kreyatè. Gen nan yo ki konfonn li ak "Gran Mèt" ke vodouyizan yo sèvi, men yo di ke gen sèvis ak sèvis, e ke fason yo sèvi a, se li ki pi bon kalite.
Gen moun ki konfonn bondye sila ak solèy la, paske tou senpleman, sèvis Mandeng la fèt granmdimaten anfas solèy k ap leve a. Finalman, lòt moun kwè ke bondye sila se Mahomèt. Epitou, yo menm manm sosyete "Wa Mahomèt" la. Yo di "MA-RO-MET"." (Trad.)
(56)
Li bon pou n konnen ke "Maromèt" sila, li pa siy de yon kilt mizilman nan Balan. Paske, mizilman yo lonmen Bondye Kreyatè yo Allah (Ala). Yo pa rele l "Mahomèt". Anplis de sa, Mandeng islamize yo nan "Lafrik" pa rele pwofèt yo "Mahomet", ki se yon non franse. Sepandan, yo itilize non arab la, ki se "Mahamadu" (Mahamadou) :
"Mahamadu n. pro.: Muhammad, Mahomet; Muhammad, Mohammed. Category: Islam. An kuntigi Mahamadu. Notre prophète Muhammad. Our prophet Muhammad". (57)
Tradisksyon :
Mahamadu n. Pro. : Muhammad, Mahomet; Muhammad, Mohammed. Kategori : Islam. An kuntigi Mahamadu. Notre Prophète Muhammad. Pwofèt nou Maromèt."
Finalman, non "Maromèt" la lwen pou l ta siy de yon eritaj islamik an Ayiti, Non "Mahomet", a jwenn sous li nan kolon kretyen nan Sendomeng yo.


6.2- Non "Mahomet" (Mahomè) a nan koloni Sendomeng la

Sepandan, nou konnen ke non Mahomè a te sikile anpil, e byen bonè nan piblikasyon nan koloni a. E, premyèman, nan seksyon "Nouvelles d'Europe" (Nouvèl ki soti Lewòp). Nan seksyon sila, regilyèman, kolon yo enfòme yo sou aktivite politik ak militè k ap deboulonnen nan peyi Latiki. Epi non "Mahomet" a te konn parèt ladan : 
"NOUVÈL KI SOTI LEWÒP. Latiki. (...) Jou yo te pwomennen Drapo Mahomè a nan lari Konstantinòp, yo te masakre anpil kretyen ki te oze gade l..." (Trad.) (58)
Dezyèmman, trè bonè, non Mahomè a te afiche nan Sendomeng, tankou tit plizyè pyès teyat. Pyès teyat Voltaire (Vòltè) sila, ki te rele "Mahomet I, ou le Fanatisme" (Mahomè 1ye, oswa Pratik fanatik la), dapre reklam an, li te rejwe nan Okap Franse an 1778, apre anpil lane :
 
"ÈSPEKTAK.
Komedyen yo nan Okap yo pral bay, Samdi pwochen, le 10 nan mwa sa a, pou benefis Manzè Teisseire, yon pèfòmans de Mahomet I, ou le Fanatisme, Yon trajedi Msye Voltaire, ki an vè epi nan senk Zak, li pa te jwe isit depi kantite lane..." (Trad.) (59)
Jouk lane 1791, yon pyès teyat ki gen tit "Mahomet et la Fédération villageoise" (Mahomè ak Federasyon peyizan an) te jwe nan Pòtoprens :

"ÈSPEKTAK NAN PÒTOPRENS.
Jodi samdi a, [pou benefis Msye de l'Orme] Mahomet, et la Fédération villageoise ; Dimanch le 9, la Caravanne, du Caire, et ses ballets… [Karavàn, nan Lekèr, ak balè li yo]..." (Trad.) (60)
Konsa, atravè atik nouvèl ak anons kiltirèl yo, non Mahomè a te gaye nan tout koloni a, san li pa t gen pyès koneksyon ak kaptif (esklav) islamize yo. Mèt bitasyon yo, ki te lektè jounal sa yo, te ka fasilman pran non Mahomè a pou batize kaptif (esklav) ki fèk vini yo.


6.3- Mahomet (Mahomè) kòm non kaptif (esklav) nan Sendomeng

Anons mawonaj yo ak rejis prizon yo te endike ke kolon yo te bay kaptif (esklav) yo non Mahomè a san gade sou zafè relijye. Pa egzanp, nan mwa janvye 1777, prizon Okap Franse a te anonse yon prizonye yo te rele "Mahomet," (Nou ka ekri Mahomè, Mahomèt, Maromè, oswa Maromèt). Prizonye sila te soti nan Nanchon Kongo :

"Le 27, Mahomè, Kongo, li tanpe jan yo pa ka li, li di li se pwopriyete Mesye Belly [Beli], nan Port-François [Pò Fransè]." (Trad.) (61)
Nan mwa jiyè 1785, yo rapòte nan Kap Franse, mawonaj yon kaptif (esklav) Kongo, ki rele Mahomè :   

"Mahomè, Kongo, wotè li 4 pye 8 pous, laj li anviron 19 an, li gen janm byen fèt, li tanpe CLERISSY FRERES : Seza, Kongo, wotè li 4 pye 9 pous, laj li 20 an, li tanpe FOLIN, li se pwopriyete Mesye Mathieu [Matye], Chapantye nan Obòy : yon twazyèm, li tanpe DL, li mawon depi wit mwa, li se pwopriyete eritye Dusanton, nan Obòy. Sila yo ki gen konesans sou li, tanpri voye nouvèl bay Mesye Dupon, nan Okap. Ap gen rekonpans." (Trad.) (62)
Epitou, nou te rankontre anpil lòt kaptif (esklav) ki te rele Mahomè :
  • Nan mwa me 1787, pami 3 kaptif (esklav) Kongo ki nan prizon, yonn nan yo te gen non Mahomè. (63)
  • An jiyè 1787, yo te anonse mawon 3 kaptif (esklav) ki te tanpe ROUDLOFF. E yonn nan yo ke rele Mahomè. (64)
  • 2 zan pita, nan mwa me 1789, yo vin mete grap sou Mahomè sila ki te tanpe ROUDLOFF. E li te Kongo, dapre anons ki te soti nan prizon Pòdepè a. (65)
  • Nan mwa Mas 1788, anons mawonaj yo te mansyone yon kaptif (esklav) yo te rele Mahomè. Men yo p t bay etnisite li. (66)
Nan anons sa yo, prèske tout kaptif (esklav) yo ki te rele Mahomè te soti Kongo, yon gwoup etnik ki poutan pa t gen anpil kontak ak relijyon islam. Reyalite sa a, soti nan 2 faktè :
Estati majoritè Kongo yo fè ke yo resevwa tout non ke yo te bay nan zile a. "Mahomet" (Mahomè) te yonn nan non sa yo.
Apeti san limit Kongo yo pou mawonaj te lakòz yo parèt plis nan anons mawonaj yo.
An menm tan, nou obsève absans non Mahomè a nan mitan kaptif (esklav) yo ki te soti nan peyi ki te gen anpil kontak ak islam. Sa konfime lide n ke non Mahomè a, yo te lage nan kòsay kaptif (esklav) yo nan koloni a, menm jan yo te fè ak non franse, oswa non ki te soti nan lejann grèk, women, elatriye.


6.4- Resitasyon Chahada a, lapriyè katolik ak tradisyonalis nan Balan

San yo pa t nesesèman konnen siyifikasyon li, tradisyonalis nan Balan yo te klèman lage mo "mamadé" a nan lapriyè zantray senkretik yo :
"Missoul ou rail soul ou rail manmadé la soul ou rail soul ou rail sa quibail". (67)
"Mamadé" sila pi pre "Mahamadu", ki se jan Mandeng islamize yo te rele pwofèt yo, ki gen non "Mahomet" (Mahomè) nan lang franse. Anplis de "mamadé", tradisyonalis Balan yo te kenbe lapriyè/chante sila :
 "Lia ilaha ila ba ilaho". (68)
Lapriyè sila ke gwoup yo rele "Sosyete Mandeng" la te chante, li soti byen klè nan Chahada a, ki se deklarasyon lafwa nan islam. Deklarasyon an di konsa :
"lā ʾilāha ʾillā-llāhu muḥammadun rasūlu-llāh". (69)
Men, jan nou mansyone l nan yon atik anvan, sa pa rann yo mizilman pou sa, lefètke moun Balan yo te chante bout nan Chahada a, deklarasyon lafwa mizilman an, nan mitan lapriyè tradisyonalis ak katolik yo :
"Di Shahada a pa ase pou yon endividi ta rele tèt li yon kwayan ak yon mizilman. Respè pou kat pilye nan islam yo se yon obligasyon esansyèl ke Koran an ak Pwofèt Mahomèt mande." (Trad.) (70)
E menmsi yo ta rekonèt Mahomè ak Allah, sa pa ta p ase :
"Inite Allah nan Domèn li te konfime pa politeyis yo, yo pa t refize li, men li pa t ase pou yo te retounen nan islam." (Trad.) (71)
Pou yo ta va mizilman, anplis de resite Chahada a, ke yo ta konnen sa l vle di, yo ta dwe obsève 4 lòt pilye islamik sa yo :
  • Salat : 5 lapriyè pa jou yo ;
  • Zakat : fè ofrann an ;
  • Saoum : jèn Ramadan an ;
  • Hajj : pelerinaj nan Lamèk la.
Natirèlman, obligasyon islamik sa yo pa gen okenn koneksyon ak lavi toulejou, ni ak lavi relijye moun Balan yo. Kontni islamik ke yo kenbe yo, kontni sa yo melanje ak divès pasaj katolik ak tradisyonalis tankou :
  • La Vierge de miracle (Lavyèj de mirak, Sen katolik)
  • La Vierge imprudente  (Lavyèj enpridant, Sen katolik)
  • Mari Ginin (Mari Ginen, melanj katolik ak Tradisyon Zansèt)
  • La Rène Baltaza (Larenn Baltaza, melanj katolik ak Traditsyon Zansèt)
  • La Rène Nanci (Larenn Nansi, Tradisyon Zansèt)
  • Pierre Dambara (Pyè Danmbara, Jany osnon Lwa)
  • Pierra Cala Oussou (Pyè Kala Ousou, Jany osnon Lwa)
  • Le Roi de Miminuit (Wa Mimwi, Jany osnon Lwa, ak sosyete sekrè)
  • Le Roi de Carrefou (Wa Kafou, Jany osnon Lwa)
  • Le Roi de Gazou (Wa Gazou, Wa nan Wayòm tradisyonèl Gabou)
  • Le Bonzange Gadient  (Bonnanj Gadyen, melanj katolik ak Tradisyon Zansèt)
  • Adiassou Cala ou  (Adyasou Kalawou, Jany osnon Lwa)
  • Adiassou Roche Adiasso (Adyasou Ròch Adyasou, Jany osnon Lwa)
  • Misango (Jany osnon Lwa ak sosyete sekrè)
  • Baltaza Bizango (Jany osnon Lwa ak sosyete sekrè)
  • Musique Massoco (Mizik Masoko, eleman agrè tradisyonèl, atribi Jany oswa Lwa Zaka Masòkò a) (72) 
Kontrèman a pè Carl Peters ki pa t distenge Chahada a, Gerson Alexis te montre l kòm prèv solid ke moun Balan yo se mizilman. Odaye Gerson Alexis a, pa t menm ezite revele jès katolik pratikan nan Balan yo, ki kontredi li :
"Mori a, yon balèn nan men li [yon pratik ki pa mizilman] fè yon sèman ki long, sou ratachman yo ak eritaj mandeng ke yo dwe kenbe djanm pou tout fanmiy mandeng yo. Li tanmen ak resitasyon de "Onon di Pè" [pratik katolik] ak "Je vous Salue Marie" [pratik katolik] ke foul la te reponn an menm tan. Mori a te fè siny lakwa [pratik katolik]..." (Trad.) (73)  
Menm jan an tou, Gerson Alexis te deklare ke pratikan nan Balan yo pa t adore "Loa" (Lwa). E poutan, lapriyè senkretik sila ke pè Peters te kolekte nan menm sosyete a, klèman adrese "Loa" otanke sa ki pa "Loa" :
"Misoulourail, soulourail, soulourai!, sa qui loa, [sa ki lwa] sa qui pas loa, [sa ki pa lwa] hola, holala.
Misoulourail adiassou cala ou, rène Baltaza, rène Nanci, Pierre Dambara, Adiassou ho, Adiassou Cala, Misango, Pierra Cala oussou' cala ou adiassou roche adiassou..."" (74)
Anplis, lidè relijye Ayisyen Mandeng yo, ke yo te bay tit "Mori", ale kont diskou revizyonis la. Paske, si yon kay kote l te rete te pote non tit li, kay sila pa ta p rele "Bwa Kay Iman", men pito "Bwa Kay Mori". Men, si nou aplike gramè nan Nò Ayiti, nan lane 1791, yo ta di  : "Case à Mori" oswa "Kaya Mori", "La Case à Mori" oswa "Lakaya Mori". Nan parese, yo ta ka rele zòn nan "Nan Mori" oswa "Mori" senpleman.

6.5-  Èt Siprèm an dapre pratikan ki gen san Mandeng yo nan Balan


Jan nou te mansyone nan yon atik anvan, pratikan Balan yo rekonèt nan Granmèt (Gran Mèt la), menm Bondye Kreyatè ak tout Ayisyen tradisyonalis yo. Yo te di Gerson Alexis sa :
"Mandeng la kwè nan ekzistans yon Kreyatè. Gen nan yo ki konfonn li ak "Gran Mèt" ke vodouyizan yo sèvi, men yo di ke gen sèvis ak sèvis, e ke fason yo sèvi a, se li ki pi bon kalite." (Trad.) (75)
Men, Gerson Alexis pa t aksepte opinyon ki ale kont tèz islamik li a. Li pral menm bay manti lè li pretann ke moun Balan yo te wè nan Mahomèt non Bondye Kreyatè yo a. Sa se yon bagay Reveran Carl Peters, ni okenn lòt chèchè, pa t mansyone :
"Gen moun ki konfonn bondye sila ak solèy la, paske tou senpleman, sèvis Mandeng la fèt granmdimaten anfas solèy k ap leve a. Finalman, lòt moun kwè ke bondye sila se Mahomèt. Epitou, yo menm manm sosyete "Mahomèt" la. Yo di "MA-RO-MET
An verite, y ap fè yon rit islamik osnon yonn ki soti fon nan islam. Mandeng yo pa konnen non bondje yo, paske rit y ap fè a, li fèt nan yon lang ke yo pa konprann." (Trad.)
(76)
Yon lòt revizyonis, Jean Rénald Clérismé, pa t oze, tankou Gerson Alexis, atribye grad Bondye a bay Mahomè. Men li te kanmenm pwoklame ke moun Balan yo te reklame tèt yo de pwofèt Mahomè. Se yon bagay okenn chèchè anvan l pa t deklare :
"Desandan Mandeng yo distenge tèt yo de rès popilasyon nan Balan yo pa fason yo antere ak venere yo. Yo reklame tèt yo de Pwofèt Mahomè..." (Trad.) (77)
Paradoksalman, nan menm tèks la, otè a te site yon anrejistreman ki date 1969, kote gwo chèf pratikan nan Kanlwiz (toupre Balan), Mori Bwa Inan pa t fè okenn mansyon de Mahomèt. Li te fè konnen ke l t ap fè travay Gran Mèt la, Pè Letènèl ak Solèy la ; ki se pawòl tradisyonalis Ayisyen yo :
"Bwa Inan di nou ke moun ki òganize rit Mandeng yo toujou di ke y ap regle zafè Gran Mèt la, zafè Pè Letènèl, zafè Solèy la, e ke se nan non Gran Mèt la, se nan non nan Solèy la ke y ap fè l." (Trad.) (78)
Epi Mori Bwa Inan pa t prezante Mandeng ayisyen yo tankou manm yon kominote separe, ni ki mizilman, jan revizyonis yo te pwopaje l la. Mori a te di ke mo Mandeng la reprezante tout nasyon ayisyen an. Kidonk, pratik Mandeng yo, se pratik yon grenn Nanchon (oswa Nasyon sakre), pami plizyè lòt Nanchon ki soti nan Lafrik Ginen (konsa tradisyonalis ayisyen yo lonmen kontinan kote Zansèt yo soti a), e ki fòme relijyon tradisyonèl la :
"Nan istwa li, mori Bwa Inan di nou ke tèm Mandeng la ka gen plis pase yon sèl sans. Li ka swa deziyen tout nasyon ayisyen an, swa timoun Lafrik Ginen yo, swa "nanchon" (nasyon) an, swa gwoup etnik mandeng la oswa pitit pitit yo. Li ka vle di tou rit fineray Mandeng la." (Trad.) (79)
Nan sans sa a, Ayisyen ki gen orijin Mandeng yo nan Kanlwiz ak Balan pa diferan de sila yo ki nan Nan Soukri, e ki pratike yon kilt Kongo. Yo pa diferan tou de sila yo ki nan Lakou Badjo, e ki pratike yon kilt Nago (Yoruba). Ni yo pa diferan de sila yo ki Nan Souvnans, e ki fè yon kilt Dawomen (Beninwa). Menm jan an tou pou plizyè santèn de lòt lakou ak fanmi ki kontinye pratike kilt gwoup etnik espesifik yo. Reyalite a rete ke Ayisyen sa yo pratike menm relijyon tradisyonèl la, men selon pwòp fason yo, ak pwòp koutim fanmi yo.

6.6- Kilt solè Mandeng la nan Balan


Deskripsyon Gerson Alexis de kilt nan Balan an vin plis egzat lè l pale de oryantasyon kilt la nan direksyon Solèy la :

"Kilt la oryante yon fason pou adore wa kreyasyon an ke solèy la senbolize, epitou pou adore zansèt ras la. Nan lapriyè yo, Mandeng yo adrese yo a Allah [Ala], Moussa [Mousa], Mahomet [Maromè] ansanm ak tout nanchon Mandeng yo (nasyon Mandeng yo)." (Trad.) (80)
Rachel Beauvoir-Dominique menm, li te pwopoze ke nan Balan, kilt solè a (kidonk venerasyon Solèy la) ke l te obsève nan pratik Ayisyen ki gen orijin Mandeng yo, li te soti nan relijyon mizilman an :
"Koutim yo relijye ak majik anpil nan Lafrik tankou an Ayiti, manm gran fanmi sila distenge tèt yo pa pratik inik yo nan antèman ak venerasyon yo (salouwe yo fè pou solèy la) ki jwenn enfliyans nan islam." (Trad.) (81)
Bagay sa se griyen dan, pwiske Michel Azinka, yon gran dirijan "Mandeng" ke Rachel Beauvoir-Dominique te site, msye te idantifye tèt li espirityèlman tankou yon "Fran Ginen", sa ki vle di ke li te yon "tradisyonalis otantik". E anplis, msye pa te janm prononse mo islam an :
"Nou se fran Ginen ki gen sant kilt nou nan Grankay, Bwanèf. Men nou, Mandeng, nou gen Solèy la nan kilt nou. Nou ka fè demann nou devan l, pa egzanp, pou nou jwenn jistis." (Trad.) (82)
Sa k pi rèd la, se ke Rachel Beauvoir-Dominique, revizyonis islamik ke li ye, pa t wè ke li kontredi doktrin mizilman an, lè l te pwopoze yon alyans lejitim ant islam ak "vodou", nan pratik Ayisyen ki gen orijin Mandeng yo :
"Mandeng nan Mònwouj (Bwa Kayiman) yo konbine kilt islamize yo ak vodoun, espesyalman nan fòm Makaya li a : Gad briz, Lenglesou, Jan Dantò.. kilt la "cho"." (Trad.) (83)
Men, kilt solè ke yo obsève nan Balan an, ak kèk varyasyon li, li komen atravè Ayiti, kote relijyon tradisyonèl la fizyone (kidonk melanje) rit anpil gwoup etnik. Kilt solè sila pa gen anyen arevwa ak islam, pou rezon sa yo :
1) Pou yo priye, mizilman yo oryante nan direksyon Lamèk. Yo pa oryante nan direksyon solèy la, pandan ke rezidan Balan yo oryante nan direksyon solèy la.
2) Sèvis islamik yo espase yon jan pou yo evite gen kontak ak solèy la. Kit se nan 5 lapriyè obligatwa pa jou yo. Kit se nan jèn nan mwa ramadan an, kote mizilman yo pa manje, ni yo pa bwè, lè solèy la aktif nan syèl la.
3) Mori a, oswa gran dirijan Ayisyen nan Balan an, fè lapriyè esansyèl li lè solèy la ap leve, epi li entèprete mesaj Zansèt ki mouri yo. Sa se yon pratik ki ale kont islam :

"Dapre moun yo, Mori a se rezèvwa sekrè kilt la. Se li sèl ki konnen ak konprann "mistè " yo. Li nan relasyon dirèk ak "gwo lespri" a ki kominike l syans li nan rèv, "Li sèl konn pale ak Solèy la”.
Se li sèl ki konprann mesaj mò yo, zansèt yo. Se li k pou entèprete yo pou benefis moun ki konsène yo...
(...)
Seremoni Mandeng la fèt anjeneral nan de etap. Yon adorasyon lannwit ak yon lòt nan maten, lè Solèy la ap Leve. Se nan moman sila (lè solèy la ap leve) ke sakrifis yo ak sèvis kominyon yo fèt.
(...)
Òdonans aswè a, tankou sa nan maten an, se yon fil rekòmandasyon, lapriyè, chante, dans avèk oswa san akonpayman òkès (2 tanbou nan fòm konik) nan kalite "vodou" ansanm ak tchatcha ke manm odyans la souke)." (Trad.) (84)
4) Nan Balan, sèvis ki pi entans yo te fèt lè Solèy la te nan zenit li, kidonk lè li te pi wo nan syèl la. Sa fè nou sonje kapasite majik kèk granmoun Mandeng. Granmoun sa yo te konn "retounen" al mouri nan Ginen zansèt yo, atravè solèy la. Revizyonis Gerson Alexis a, lè l te aprann pratik majik sila nan 1966, li te lye l ak yon konplèks siperyorite Mandeng ansanm ak islam :
"… sa lakòz yon jan de konplèks de siperyorite nan avantaj Mandeng yo, yon konplèks ki konsève jenerasyon apre jenerasyon akoz de pèsistans lejann yo ki bay latroublad pafwa sou pouvwa "majik" ansyen Mandeng yo. Yonn nan lejann sa yo di ke nan tan lontan granmoun Mandeng ak lasajès yo (sila yo ki te pratike kilt la jan sa ta dwa), yo pa t mouri tankou moun nòmal yo. Lè li santi lanmò nan wout, Mandeng la "te gen sèlman pou l pale ak solèy la" nan bon lè a, epi yo te wè l monte nan nyaj. Nou konnen ki sa lejann sa yo te fè pou prestij esklav mawon an, Mackandal pou tèt li te yon mandeng mizilman." (Trad.) (85)
Swa Gerson Alexis te mal enfòme. Swa li te vle fè pratik sila sanble mizilman, lè l te envante ke mò a pral "monte nan nyaj". Nan anviwon lane 1999, Exalus Barthelemy, ki Mori nan Lakildinò, te pale yon lòt jan de fenomèn Mandeng sila. Li pa t pale pyès de zafè monte nan nyaj, ni de siperyorite rasyal Mandeng yo. Anplis, Mori a te lye fenomèn an ak ideyal relijyon tradisyonèl la, ki se : retounen nan Ginen, kidonk retounen nan "Lafrik" zansèt yo :
"Yo, granmoun lontan yo, yo pa t mouri an Ayiti. Granmoun yo, yo te tache tout byen yo nan senti yo, epi yo te prepare tèt yo. Lè lè a rive, tè a te louvri epi yo te retounen nan Ginen." (Trad.) (86)
Fanmiy mwen gen yon temwayaj ki gen menm sans ak pawòl Mori a. Li te soti nan bouch Lucita Durosier (Lisita Dirozye), yon ansyen vwazin nou nan Laptitans, yon vilaj nan papòt Kap Ayisyen. Madan Durosier, ke, ak afeksyon, nou te bay tinon Gran Manman, li te temwen menm jan de pratik fineray sila, nan anfans li ozalantou Katyemoren.
Nan anviwon lane 1900, lè l santi lanmò l te pre, yon granmoun gason (ke orijin etnik li pa t presize), te rasanble fanmiy li bò kote l. Fanmiy sila te gen temwen nou an ladan l. Nan lakou li, a midi (kidonk lè Solèy la te pi wo) li te fè operasyon majik li. Epi, li te retounen nan "Lafrik", lè l te anfonse anndan yon layo (laye) yo te mete atè a.
Vwazin sila ke nou te renmen anpil la, èske li te gen san Mandeng? Gen anpil chans de sa. Men, jan de bagay konsa pa t janm te adrese, ni sa pa t gen enpòtans. Sètènman, vwazin nou sa pa t mizilman. Li pa t moun Balan, ni li pa t soti nan rejyon toupre Balan. Li te renmen pran swen lòt moun anpil. Li te jenere epi gen bon kè. Gran Manman nou sila pa t koresponn ak pòtre dwategòch ke revizyonis yo pa bouke fè de Mandeng Ayisyen yo ki ta dwe rete sèlman ant gwoup etnik yo, epi ki ta dwe gen konplèks oswa move jan.
Malerezman, Gerson Alexis te fè disip. Nan lane 2003, revizyonis Ulrick Fleischmann ak Alex-Louise Tessoneau te pran enspirasyon islamik li a ke yo te monte nan yon nivo ekstrèm. Nan lide pou fè Mandeng Ayisyen yo pase pou mizilman, Fleischmann ak Tessoneau te lye izolman majik granmoun Ayisyen yo avèk izolman fizik kèk moun ki te prèt pou mouri nan gwoup etnik Foula a nan "Lafrik"
:

"Lè yon vye Mandeng te santi lanmò te pre, lè solèy la t ap leve, li te chita anba yon kalabas, epi lè solèy la te rive nan zenit li, li te disparèt : li te kite pou Lafrik, peyi zansèt li yo. Yonn fwa, yonn nan yo te fè yon timoun ak yon fanm kreyòl e anvan li te anseye l lafwa islamik la, timoun an te mouri. Depi lè sa a, Mandeng yo pa t jwenn pèmisyon retounen nan peyi zansèt yo anvan ke yo bourade, dapre rit ke zansèt yo devwale. Nou te etone anpil dekouvri ke Tauxier [Toksye] te rapòte yon menm mit fondasyon lakay Foula yo : yon chèf mizilman, lè li te santi li te nan wout pou l mouri, li te kite madanm Foula li ansanm ak pitit ke l te genyen nan maryaj sa a. Istwa sila eksplike poukisa Foula mizilman yo t ap viv nan plizyè kominote diferan.
Byensi, resanblans sa yo pa fin definitif, men nou dwe sonje ke nan yon mond fèmen tankou pa Mandeng yo / Foula yo, kennenpòt zak ki ta eseye deranje li oswa nye li, yo sanksyone koupab la ak lanmò; sa chita nan yon fondamantalis radikal ki, nan volonte l pou l konsève gwoup la, mande yo ranfòse rit kilt yo, espesyalman sila yo ki lye ak rit pasaj yo
." (Trad.) (87)
Fleischmann ak Tessoneau te site Louis Tauxier, ki sepandan te revele vwayaj fizik granmoun Foula yo ki te kite yon rejyon pou yon lòt, kote yo pral mouri :
"Vadier te di : " Vè anviwon 1780, sou rèy Fittobé Hamat Diam, chèf Foula a, ki t ap viv Bahn, yon Peuhl [Foula] yo te rele Pabé te kite rejyon Bahn la pou kont li, pou t al fè twoupo bèf li manje nan rejyon Téma (sèk Wagadougou). Se la ke, li te marye ak pitit fi chèf pwovens sila ki te ras Mosi (fanm sila te rele Siboudou) (...) Madanm Mosi li te fè senk gason ak yon fi pou li. (…)
Pabé, te kite pitit li yo nan Kalsaka, e li te vin mouri nan Bane." (Trad.)
(88)
Konsa, an alantou 1780, nan Bourkina Faso, Pabé, Foula a, te vwayaje 250 kilomèt (155 mil) pou t al tann lanmò li nan Bané (komin nan pwovens Boulgou). Li te kite pitit li yo ki te "melanje" (Silmi-Mosi oswa Foula-Mosi) nan Kalsaka (komin nan Pwovens Yatenga). Pa gen anyen ki te di de solèy, ni de pratik majik, ni de relijyon islamik, nan sitasyon sila. Izolman Foula sila te fizik ak kiltirèl. 
Nou pa menm bezwen di w ke se yon dal manti ki soti nan ekriti Fleischmann ak Tessoneau, lè yo te envante sipoze ansèyman nan "lafwa islamik" ke yon manman Mandeng ayisyen ta dwe bay oswa pa bay, oswa swadizan lanmò ke yo ta bay koupab ki pa t respekte "konsèvasyon gwoup" Foula yo nan "Lafrik".
5) Kilt solè a ak sakrifis bèt ki fèt nan Balan, yo make epòk Faro, ki se Divinite Dlo ak Lapli an Ayiti, tankou nan "Lafrik", lakay pèp Mandeng yo :
"Kòmansman epòk Faro a.
Lè li fin pati, dlo inondasyon an, ke kòmansman l te make pa sigi doolo (Siryis) ak solèy la ki te leve an menm tan, Fâro te simen yon fwa — menm jan ak apre li te desann sot nan syèl la — siy èt vivan yo (moun, bèt, plant). Siy sa yo, lè yo bwè dlo ki soti nan tè a epi lè yo manje tè nwa nan letan Faro a, yo te akouche lavi ki genyen konnyè a.
Se konsa "solèy" la te fèt, ansanm ak epòk Faro a. Fanm sila te vin fè, byen fon nan tèt li, ve pou l te "sanktifye" (saraka), pou l te fè rèy li vin pwospè, e li te mande tèt li ki sa k ta bay kreyatè a pi plis kè kontan. Nan repons pou ve a, lapoula, Bondye te resisite epi l te fè soti nan dlo letan yo, Fâro dyigi makan dyigi, ki se kabrit ke l te kreye ak sakrifye bay syèl la pou sove mond la de yon destriksyon sèten. Epi Faro te fè yo sakrifye kabrit sila apre li te kouvri nèf mouton primòdyal yo, kidonk premye mouton ki te fèt yo.
Se depi lè sa a, yo di, ke tout bon jan sakrifis mennen rezireksyon viktim an." (Trad.)
(89)
Kidonk, Solèy leve senbolize kareman kòmansman epòk Faro a, nan kilt pèp Mandeng yo. Epòk ki vini apre yon inondasyon ki te lakòz katriyèm destriksyon mond la pa Man Ngala, Bondye Kreyatè a. Kabrit primòdyal sila, yo te sakrifye l ak èd yon zèklè ki tranche tankou yon silèks, kidonk wòch loray ke, pakonsekan, yo mete sou lotèl tradisyonalis ayisyen yo. Sa se yon tradisyon Mandeng. E li pa yon tradisyon amerendyen oswa Tayino.++++


7- Kilt fineray Mandeng Ayisyen yo

Depi nan kòmansman lane 1960 yo, Ayisyen Jean Rénald Clérismé a t ap poze tèt li kesyon sou rit fineray Mandeng la. Aprè envestigasyon li nan Balan ak rejyon nan zonn an, nan lane 1996 ak 1998, revizyonis Clérismé a te deklare ke li dwe mizilman, kilt fineray Ayisyen ki gen san Mandeng yo :
"Rit fineray la rete vestij ki pale pi byen de kilti mizilman an Ayiti. Li fèt pou reyafime valè yo epi pou asire renesans òganizasyon sosyal mandeng la. (...) Bwa Inan dekri pou nou, ak anpil detay, dewoulman rit fineray mandeng la. E se sa ki pèmèt nou mezire pwa eritaj kiltirèl ke kaptif islamize yo te kite pou nou. Se sa k fè nou dwe ajoute mandeng la akote vodou a nan eritaj kiltirèl relijye nou an." (Trad.) (90)
Ki sa li ye toutbonvre? Yon analiz kout sou kèk pati nan lantèman Mandeng yo nesesè.

7.1- Mandeng ayisyen yo ak ofrann poul blan yo

Yo sakrifye poul blan nan lantèman Mandeng yo nan Balan. Revizyonis Jean Rénald Clérismé a te menm gen odas di ke yo te sakrifye zwazo blan sa yo pou Mahomè ; ki se yon frekansite :
"Rityèl sakrifye kòk blan an nan lonè pwofèt Mahomè a, te pran anpil plas akote sakrifis poul yo ak kabrit la ke vyann yo pral prepare, distribiye an pati bay odyans la epi yon pati pral depoze nan yon kote detèmine pou nanm defen an." (Trad.) (91)
Yon ti tan apre sa, dirijan an pral lonmen "Simba ou" oswa "simbaou", nan pawòl sakre ke l voye bay Solèy leve a :
"Mandeng yo gen sèvis ke yo òganize swa nan okazyon yon lanmò oswa pou yo jwenn jistis pou yon fo akizasyon. Nan premye ka a, sèvis la ap fèt nan de etap : sèt jou apre lanmò yon manm epi sis mwa apre fineray li. (...) Lè pile pilon an fini, yon bon jan bal ap swiv, e l pral kontinye jouk lajounen. LÈ SOLÈY LA AP LEVE, yo pral sakrifye poul blan yo, selebran an, nan pawòl li devan solèy la, ap di: "Si'm ba ou, si'm ba ou..."." (Trad.) (92)
"Simba ou" oswa "Simbaou" sila, se yon ti defòme yo te defòme Simboumba Tagnagati, ki se yon Zansèt primòdyal Mandeng yo ki, apre li te fin resevwa premye mo yo nan men Faro, te pale tout lannwit. Epi li te pe lè Solèy la leve :
"Twazyèm zansèt la, Simboumba Tagnagati, te resevwa nan men Faro tranteyen premye mo ak wit grenn sereyal nan yon ma dlo ke yo te antre ladan apre premye lapli a te tonbe sou Latè. Lè l ap soti nan dlo a, li te di, "NKO / mwen pale." Li te bati yon kay kote li te mete grenn yo. Nan pa pòt la, Simboumba Tagnagati te devwale trant pawòl Faro yo bay frè l yo ; li te pale tout lannwit la, epi li sispann pale lè l wè Siryis ak solèy la k ap leve ansanm nan liy orizon an." (Trad.) (93)
Manman poul blan an, senbòl Mandeng (ak Banmbara) ayisyen yo, li jwenn sous li nan istwa Kreyasyon Mandeng yo. Paske apre Kreyatè a te fè dezyèm destriksyon mond la, zwazo yo te soumèt tèt yo bay Faro, Divinite primòdyal la. Konsa, zwazo yo te ede latè retounen chaje ak moun :
"Men, Bondye te vin fè yon dezyèm sakrifis, ki te terib limenm, yon sakrifis pou destriksyon, pou mete yon fen nan ajisman Mousokoroni. Manmzèl ki te gen rèv pou l mete grap sou linivè a, te voye bèt ak zèl yo bay Bondye, nan lespwa pou l te jwenn konesans ak sekrè rete jèn pou tout tan gen tan. Zwazo sa yo, ensèk sa yo ak papiyon sa yo te pa t ti kras gwosè. Bondye ki te fè kòlè, te ale nan senkyèm etaj syèl la epi l te frape anvwaye Mousokoroni yo ak kout zèklè. Zeklè te detwi pi fò nan espès yo; sila yo ki te rete yo te rive siviv sèlman nan yon fòm redwi oswa domaje grav. Kalawo a, ke zèl, pat ak kolòn vètebral li te kase, te soumèt tèt li. Li rasanble "tout siy mond la." nan gwo bèk li. Votou a, ki te rete fidèl Faro, tankou toutrèl la, te pote tounen zwazo ki te siviv yo, ki te diminye, nan baz Bondye." (Trad.) (94)
Sa vin fè zwazo ak plimaj blan an, ki konekte ak Faro, distenge moun ki chwazi a de sila ki òdinè a :
"Ntouba nin gwè dondo, ki soti nan ntouban,"pijon", nin,"ti", gwè,"blan", epi dondo,"kòk, mal" : "Ti kolonb oswa mal toutrèl blan", se, nan mitoloji Malinke a, yon mal toutrèl blan ki nan sèvis Faro, deyès dlo a. Li [toutrèl la] ta sèlman parèt devan moun Bondye ak deyès sa a chwazi yo, sitou [lè yo] sou papòt lanmò." (Trad.) (95)
Faro, Divinite, Jany, Lwa dlo ak lapli a, yo toujou onore l an Ayiti, kote yo ofri l poul blan ki kwit ak yon dal epis. Epi Faro, Faro Pyè, Faro Dantò, elatriye, renmen desann plat manje yo ak anpil alkòl fò. Siy ke kilt Banmbara/Mandeng la pa mizilman. Nou ta panse ke chèchè yo ta dwe konvenki de sa. Now.


7.2- Plat diri pile yo nan sèvis Mandeng yo

Andedan fineray Ayisyen Mandeng yo, yo prepare diri pile ki rele "moni" oswa "dègè", tou depann de konsistans li. Plat diri sikre sila, li sakre. Yo ofri l bay mò yo ansanm ak asistan meritan yo :
"Mori a se "sakrifikatè" a, dirijan an k ap mennen seremoni fineray Mandeng la. Nan yon moman nan seremoni a, li mete yon moumou blan epi li limen yon chandèl blan. Se li sèl ki gen dwa manje ak distribye moni a bay moun li konsidere meritan pou konsome l. Prèv de karaktè sakre li. Se li ki prepare dègè blan ak wouj la. Se li k gen lonè prezante l an premye bay Solèy leve a. Se li ki melanje dègè blan an ak wouj la epi ki distribye l anvan li voye rès la nan depo pou mò yo.
Dègè a fèt ak farin diri, dlo frèt ak sèl. Yo pilonnen yon kantite diri blan nan yon chanm akote, pandan mori a ap fè seremoni a. Moni se yon kalite mous ki fèt ak tèt diri pile ki tounen pat." (Trad.)
(96)
Prèt katolik Carl Peters te rezime fineray Ayisyen-Mandeng la byen. Li te mete atansyon l sou wòl santral yon manje espesifik, diri pilonnen an :
"Vèy lantèman an pa p òdinè : Apre lanmò defen an, yo chèche poul blan, diri blan ke kat moun pral "pilonnen" epi farin manyòk. Pilonnen diri a ap fèt ak chante ansanm ak dans.
(...)
Apre chante ak lapriyè yo, yo prepare yon "manje" ki fèt ak tout kalite bagay, (manje yo rele "manje godyòy". Tout eritye defen an ap patisipe nan repa sila. Lè repa a fini, y ap kontinye danse jouk mizisyen yo rete nan alantou katrè nan lapremidi." (Trad.) 
(97)
Mandeng islamize nan peyi Gine Biso yo, ki imigre nan Pòtigal, yo fè yon sèvis fineray ki sanble tèt koupe. Yo rele sèvis sila munkoo (mounko). Munkoo, se non plat farin diri sikre a tou. Mizilman otodòks nan Pòtigal yo, rele Mandeng sa yo "pretos" (kidonk Nwa), olye de mizilman. Yo konsidere sa pa islamik, pratik fineray Mandeng sa yo ansanm ak "batèm" timoun yo.
Pandan seremoni sa yo, imigran Mandeng yo sakrifye poul blan (yon pratik ki pa islamik), epi yo prepare plat farin diri a ki se nannan seremoni a.
(98)

 

Ki kote tradisyon sila soti?

Plat farin diri sila soti nan Wayòm Mandeng Gabou a. Pandan fèt tradisyonèl pou premye rekòt yo, fanm yo te konn prepare farin diri sikre, ke yo te konn distribiye bay timoun yo :

"Nan moman rekòt yo, yo òganize gwo seremoni; yo koupe premye pitimi a, premye grap diri a, fi yo fè gato, labouyi ak li. Selebrasyon an fèt anba gwo pyebwa yo — dyalan —, prèt yo ofisye. Yo distribye kola, ki gen anpil valè pou granmoun yo, pat diri ak labouyi a, yo bay timoun yo li. Tiramaghan sakrifye towo a pèsonèlman, san an koule sou lotèl an wòch yo; foul la egzalte ak dans. Yo bwè byè pitimi. Yo bwè diven palmis tou. Se diven lokal la. Tèt yo chofe, kout tanbou ap gwonde, anvi goumen gonfle kè yo; branch fanmi yo, yonn pwovoke lòt, men depi Tiramaghan parèt, oswa non li pwononse; imedyatman tout bagay tounen nòmal." (Trad.) (99)
Apa kèk detay, sakrifis ke Wa Gabou (ke yo onore nan Balan sou non Wa Gazou) te fè a, li raple yon seremoni tipik Ayisyen tradisyonèl yo. Kit se nan Balan, kit se lòt kote nan peyi a. Li raple tou, sakrifis towo a ke yon zotobre gason te fè nan Mònwouj, yon 14 dawou 1791.

7.3-  Divinasyon nan fineray Mandeng yo
 

Gerson Alexis te rapòte pati divinò nan fineray Mandeng yo. Divinite tradisyonèl yo, ki rele Jany (Zanj) nan Nò Ayiti, te monte oswa posede moun nan odyans la, yonn apre lòt. Epi, Lespri defen an, kidonk "Jany Mò" ("Zanj Mò") a te parèt. Lidè espirityèl la (Mori a) pran pose Lespri Mò a kesyon nan lang "Afriken", pou l ka jwenn sikonstans lanmò li ansanm ak lòt repons ki enpòtan :
"Aprè Wonn Defen an, gen dans "eritye" yo. (...) Eritye yo danse anba platfòm sila nan son yon mizik ki yon lè tris, yon lè bay kè kontan. Mwen te remake pi wo, dominasyon rit yanvalou, kongo ak Djouba (nou pral tounen sou pwen sa a). Kriz posesyon yo te manifeste yonn pa yonn, men Mori a te gade espektak la ak endiferans jiskaske "Zanj mò" a te parèt. (...) Mori a kouvri tèt "Zanj mò" a ansanm ak tèt li ak yon dra blan, epi moun yo ka swiv yon dyalòg ant yo nan yon lang enkoni. Apre sa, Mori a te "voye tounen" "Zanj mò" a. Òdonans nan lanwit la te fini. Fèt popilè a reprann anba tonèl la, kote moun yo danse jouk bajou kase." (Trad.) (100)
Devan prèv solid ki montre ke Mandeng nan Balan yo te kenbe yon kilt tradisyonèl ki te gen kèk moso islamik, revizyonis Gerson Alexis a te chwazi fè demagoji. Alexis pa t ka nye dominasyon dans tradisyonèl yo ki se Yanvalou, Kongo ak Djouba. Men li te pretann ke dans sa yo te jwenn enfliyans nan tradisyon pèp Mandeng yo, ki pi "sivilize", pi "òganize" ak pi "mizilman" :
"Mo tankou N'gan, Manbo se Malinke yo ye, yon non dye tankou Danmb-Allah se mandeng ki fòme l. Pi bon menm, rit debaz yo nan mizik vodou a sanble soti nan mandeng, kontrèman ak tout bagay nou te ka panse anvan sa.
Ou sèlman bezwen tande mizik Mandeng yo pou w rekonèt rit yo ki rele : Yanvalou, kongo, mayi, djouba oswa Matinik. Yon moun dwe toujou pare, nan opinyon nou, pou ranvèse tèz, nan enterè verite. Fenomèn prete kilti a rive nan frote pèp ki bay ak lòt moun ki resevwa. Mandeng yo ki pi byen òganize, te gen plis pou yo ofri nan kokennchenn melanj sila ke mas moun nwa yo, ak plizyè orijin yo, te reprezante nan Sendomeng." (Trad.)
(101)
Devan menm pwoblèm an, revizyonis Clérismé a limenm, te pran pòz li inyoran, e ke l te manke enfòmasyon :
"Li eksplike ki jan douvan jou nan madi, yon manm nan odyans la ki te abiye an blan te posede pa Lespri defen an epi l te transmèt yon mesaj bay kèk manm fanmi an. Èske sa se te yon enfliyans rit vodou kraze kannari a oswa èske se te yon pratik ki sèlman nan rit fineray Mandeng la? Mwen pa ka di nan etap mwen rive nan rechèch mwen." (Trad.) (102)
Mank entegrite 2 entèlektyèl ayisyen sa yo, sa revòltan menm jan li tipik.

7.4- Pa gen kontak sèkèy oswa nat la ak tè a
 
Pi onèt sou pwen sila pase entelektyèl ayisyen yo, revizyonis Ulrick Fleischmann [Ilrik Flaychmann] ak Alex-Louise Tessoneau [Alèks-Lwiz Tesono] te aksepte ke sakrifis nan fineray la, manje yo prepare yo ak divinasyon an, sa soti nan relijyon tradisyonèl la. Sepandan, chèchè sa yo te diskite ke lantèman lakay Mandeng ayisyen yo, se zafè islamik :
"Bèt pou sakrifis yo se sitou zwazo blan ke yo touye lè solèy la ap leve; apre seremoni sila, yo ofri diri blan nan asyèt blan.
Rit sa yo ansanm ak lòt bagay pi jeneral nan yon vizyon majik de mond la - divinasyon, entèpretasyon rèv, rit pou jwenn jistis apre fo akizasyon - fè pati de kilti kreyòl ayisyen an. Lyen ki pi evidan de islam se rit fineray yo. Yo woule kadav la nan yon tapi epi yo antere l yon jan pou pa gen kontak dirèk ak tè a; kavo a chwazi nan relasyon ak yon pye kalbas (detay ki evidaman refere a mit fondatè a)." (Trad.)
(103)
Vreman vre, kadav yo pa touche tè nan lantèman Mandeng yo nan Balan. Carl Peters te obsève ke yo te mete fèy bwa ant tè a ak sèkèy (oswa nat) la :
"Fineray Mandeng yo fèt selon yon rit espesyal. Manm sosyete a pa mete rad nwa pou dèy, men de preferans rad blan; sèkèy la pa ta dwe vèrni, men nan bwa natirèl, lè yo pa senpleman antere kadav la nan yon nat.
Yo fouye twou a yon fason pou yo ka premyeman kouvri l ak yon kouch branch kanpèch ki kouvri ak yon gwo kouch fèy gwayav. Kidonk, sèkèy la ap chita sou kouch fèy gwayav sila
. Prekosyon sa yo pran pou anpeche tè touche sèkèy la, sa ki ta lakòz pi move malè tonbe sou fanmi an, petèt menm lòt lanmò nan yon tikras tan." (Trad.) (104)
Men, pratik fineray Mandeng sila te la anvan islam. Nan tan lontan, lakay pèp tradisyonalis ki pale lang Mande yo, yo pa t antere kadav yo. Yo te kwoche yo nan yon pyebwa, pou anpeche yo touche ak tè :
"Rit yo te evolye. Nan tan lontan, kò yo te sispann nan pyebwa jiskaske yo pouri, pandan yo te konsève zo yo. Jodiya yo tere kadav la. Se sèlman yon bann koton ki senbolize lang defen an, sa vle di pawòl li, ki pandye sou branch yon pyebwa." (Trad.) (105)
Ekstrè sila soti nan yon etid sou Banmbara yo, ki se yon pèp Mandeng ki te rete fidèl pi lontan nan relijyon tradisyonèl la. Paradoksalman, islam, ki diferan nèt de kilt fineray Mandeng la, mande pou yo poze kadav yo atè plizyè fwa :
"Li rekòmande tou ke anvan yo tere kadav la, ke li dwe poze kèk mèt de kavo a epi deplase nan direksyon kavo a, pandan y ap rete dousman twa fwa. Li ta dwe poze atè chak fwa epi bese nan kavo a sou katriyèm fwa a. E nan ka se kadav yon gason, li dwe poze atè sou twazyèm fwa a... (...)
E nan ka se kadav yon fanm, li dwe poze atè sou twazyèm fwa a nan direksyon Qibla a (...) e apre kadav la desann nan kavo a, ne ki nan dra li yo dwe detache epi figi l poze atè e yon zorye dwe mete anba tèt li…" (Trad.)
(106)
Franchman, kisa revizyonis yo konnen sou lantèman mizilman? Anyen menm.

7.5 - Moni nan kilti ayisyen an

Si non l, "moni", se Mandeng, plat manje sila ki fèt ak farin an, li pa pwopriyete eksklizif Ayisyen ki gen san Mandeng yo. Paske "moni", li gen lòt non lakay lòt pèp nan "Lafrik" de Lwès. Yonn nan non sa yo se "boyri " ki fèt ak farin diri, pitimi, mayi, elatriye.

(Boyri oswa Moni, nan "Lafrik" de Lwès)
Sous : Barry recipes. "Corn porridge, boyri/moni, African recipe" [anliy] URL : https://www.youtube.com/watch?v=-9PyFhSL8gE

Tout kote an Ayiti, (ak nan plizyè lòt zile nan Zantiy yo) yo konnen pwòp "boyri" pa yo. Yo rele pat farin bouyi sa a, ki konn gwo anpil, "bòy", "donbòy", "donbrèy", elatriye.


(Bòy, donbòy oswa donbrèy an Ayiti)
Sous :  "Haitian dumplings (donbrey or boy)" [anliy] URL : http://haitiancooking.com/bouy/

Anplis de aspè relijye a, pati sikre nan "boyri" Afrik de Lwès la, li disparèt tou nan "bòy", "donbòy" oswa "donbrèy" Ayisyen an. E byenke yo konnen "moni" nan seremoni yo, Ayisyen yo ki gen orijin Mandeng nan Balan ak nan anviwon an, yo tou yo renmen manje "boyri" modifye a, ki jeneralman gen non "donbòy" oswa "bòy" nan Nò Ayiti.

7.6- Dègè ak alyans Mandeng tradisyonalis yo

Jodiya, nan teritwa nan "Lafrik" kote yo pale lang Mande yo, dègè se yon manje popilè ki fèt ak farin pitimi, diri, ble oswa kouchkouch, ki melanje ak lèt.



(Dègè nan "Lafrik de Lwès")
Sous : © Okedjenou. "Comment préparer un délicieux dèguè en moins d'une demi-heure?" ; [anliy] URL : http://www.okedjenou.com/comment-preparer-un-delicieux-degue-en-moins-dun-une-demi-heure/

Men, non manje "dègè", "deguè" oswa "degué" a, li gen yon izay esansyèl : ki se sele alyans ant Mandeng tradisyonalis yo :

"Dégué [Dege] : Yon sòt de kouchkouch ak lèt; konsèy, alyans. Déguémi [Degemi] : alye ansanm." (Trad.) (107)
"Bwè dègè a" se yon seremoni tradisyonèl ki sele alyans nan politik ak nan lagè. Yon egzanp vin nan lespri nou. Samory Touré (Samori Toure) te mande yon chèf rival pou l te bwè dege (oswa dègè) nan onè li, pou yo te vin alye kont kolon franse yo :
"Seremoni dègè a se yon plan enpòtan nan kilti Malinke nan tan lagè. Seremoni dègè a limenm, se yon rit — otantik epi sèlman Malinke — ki pratike pou yo sele lyen ant ti chèf ak gwo chèf yo. Li enplike sèman lwayote ti chèf yo bay gwo chèf yo, sa vle di sa ki pèdi gè yo bay viktorye yo. Se ak rezon Samory Touré te envite Djigui Kéïta bwè dègè a pou Djigui Kéïta make ke li fidèl epi soumèt a li, pou inifye fwon lagè a kont kolòn Faidherbe yo, epi bati yon anpir Mandeng pwisan ; sa a, Djigui te refize l. Pakonsekan rezistans nan baz la te vin febli. Sa ki te mennen yo konkeri Mandeng yo." (Trad.) (108)
Fonksyon bay kominyon, yo asosye l tou ak bwè dègè a nan Balan. Kominyon an kòmanse ak "Dio" (Djò), ki se lapriyè tradisyonèl par ekselans ki ateste toupatou an Ayiti. Paske, nou dwe raple nou ke pèp Mande yo (Banmbara/Mandeng yo, elatriye), yo pa t rete sèlman nan Balan, ni sèlman nan Nò a :
"Yo chante "Dio" a ki se yon sèman Mandeng ki pèmèt yo pran zansèt ras la pou temwen.
Gen kominyon nan rit la ki fèt ak "dègè" a ki distribye bay tout moun nan odyans la, men se sèlman moun ki konnen ke yo nan eta pou manje l, ki manje l." (Trad.)
(109)
Nan kontèks sila, Mandeng nan Sendomeng yo pa t òganize sakrifis kochon nwa a pa lwen Mònwouj, nan dimanch 21 dawou 1791. Sinon, yo ta va sele pak yo a ak distribisyon dègè a. E se pa t ap ak yon gout san bèt sakriffye a ke yo ta va pran nan dwèt yo menmen sou pwent bouch yo. Men, yon lòt fwa ankò, se sakrifis towo nwa a nan Mònwouj, le 14 dawou 1791, ki mache ak pratik Mandeng tradisyonalis yo. Sakrifis - yon jenn Manbo te fè - de yon kochon nwa, le 21 dawou 1791 la, li pi apwopriye pou kilt sosyete Lenmba yo ki soti Kongo, e ke yo rele tou Lenmba oswa Kongo-Lenmba nan Nò Ayiti. Nan kilt Lenmba sila, yon gout nan yon likid konsakre (dlo beni nan peyi Kongo ; san sakrifis nan Bwa Kayiman) te sele evènman remakab yo.
 

8- Mandeng yo ak Seremoni Bwa Kayiman an

8.1- Mandeng Ayisyen yo ak aksyon "klotire" seremoni Bwa Kayiman an
 

Ayisyen Mandeng nan Balan yo te refize ipotèz islamik la ki di ke yo te kòmanse seremoni Bwa Kayiman an. Devan ensinyasyon moun ka p poze yo kesyon yo, kèk Mandeng panse ke okontrè, yo te fèmen oswa "klotire" seremoni an. Aksyon klotire Bwa Kayiman an sanble plis mache ak tradisyon yo.
Nou deja konnen ke Rachel Beauvoir-Dominique te reentèrprete pawòl Mandeng yo nan pwòp fason li. E li te entwodwi konsèp "21 nanchon" an, ke li renmen ekzajere ak vire jan l pi pito
:
"Yo afime ke yo te patisipe nan 14 dawou 1791 la, akozde, pami lòt bagay, kapasite yo nan rann tèt yo envizib, espesyalman nan konba - "Sosyete Mandeng la se yon fòs sekirite."
Nan Bwa Kayiman, yo te fè nou remake ke Mandeng yo ki rete nan plas sila jouk jounen jodiya, [Fo : abitan Mònwouj yo di yo fè rit Kongo, pa Mandeng] te jwe wòl "fèmen" : siyifikasyon tèm sila fondamantal pou gwoup la, pwiske, Banmbara/Mandeng yo, nati yo klanik, se kloti a ki gen kenbe fanmi pwolonje a, ki defini inite fondamantal la : "fanmi Banmbara a rete nan joupa ke yon kloti kole yonn ak lòt... Kloti sila rele, nan kèk dyalèk [kidonk lang], Gwa... Gwa, ki pran sans 'kloti', li sèvi pou rele tout kalite gwoup kay ki antoure konsa... Pa gen okenn tèm apwopriye pou rele dirèkteman epi sèlman yon kolektivite tankou sila ke lalwa familyal nou an defini. Anfèt, yo itilize gwa ak objektif sila". Mandeng yo, lè yo t ap klotire Bwa Kayiman, te sele inite venteyen nanchon yo." (Trad.)
(110)
Vreman vre, nan kontinan orijin yo, Mandeng yo te bare gwoup kay yo ak yon baryè oswa kloti :
"Tout joupa yon menm fanmi, te antoure ak yon baryè an krinling (kloti ak po pye banbou). Nan moman rekòt la, grap pitimi ak mayi yo te tann sou do joupa yo.
Joupa chèf yo antoure ak yon gwo palisad nan kò pye bwa." (Trad.)
(111)
Sepandan, "gwa" pa refere espesyalman ak kloti. Mandeng yo itilize l pou yo pale de "kwizin", de "kay yo rete" oswa "kay yon fanmi" :
"Goua : Galri, veranda, tonèl, rezèv, kwizin." (Trad.) (112)
"Gwa" asosye tou ak chèf nan mitan pèp Mande yo :
"Anvan yo plante, chèf fanmi ki pi aje nan yon katye, gwa tigi a, raple verite sila.
(...)
Chak fanmi ini ap viv anba otorite patriyach li, lu tigi a (ki soti nan lu, kay, tigi, chèf oswa mèt kay) oswa gwa tigi (ki soti nan gwa, kwizin)." (Trad.)
(113)
Nan Balan, mo "Gwa" (Goua) a repete anpil fwa nan lapriyè Mandeng yo ke Carl Peters te rasanble. Sa montre ke mo "Gwa" a, se omwen yon konsèp relijye ak kominotè ki enpòtan :
"...goua pous, goua tande, goua chante, goua pousyè, elatriye." (Trad.) (114)
Men, eritaj Mandeng la pa te limite sèlman nan Balan ak viwòn li, jan revizyonis yo deklare, "Gwa" parèt tou nan seremoni tradisyonèl ayisyen an anjeneral, kòm non Divinite (Lwa/Jany) sa yo : Legba Atigbon Gway Legba ak Gwa  Zizwe Lakaya

8.2- Mandeng yo ak sakrifis towo a nan Mònwouj

Repetisyon "Goua" nan Balan pa vle di ke seremoni Mandeng yo te sele seremoni Bwa Kayiman an. Men, posibilite sila vin pi plis pwobab, lè w konsidere sakrifis towo a - ke yon lidè relijye gason - te fè nan Mònwouj, nan 14 dawou 1791. Paske Wa a Mandeng yo, Soundjata, te klotire pelerinaj sakre li nan Kita ak sakrifis bèf ak kabrit :
"Pelerinaj li a te vin transfòme an yon plebisit [kidonk yon jan de rekonesans popilè] ; e pou l klotire l, Soundjata ta fè yo sakrifye yon dal bèf ak kabrit apre li te renouvle pak alyans ki te relye — epi ki toujou relye — Massalens [Masalen] yo ak Cissé [Sise] yo, Tounkara yo ak Kamara ki soti Kita yo." (Trad.) (115)
Sa vle di, Mandeng tradisyonalis yo te konn sakrifye towo nan okazyon espesyal. Wa yo (Mansa yo) te responsab fè lapli tonbe (nan mannyè Faro). E lè sechrès dire, sa te mennen yo mete Wa sa yo atè, lè se pa t touye, yo te touye yo. Nan kondisyon sa a, Wa yo prezide sakrifis pou rekòt yo :
"Fonksyon mansa a gen anpil kontrent. Apèn premye gout lapli fèk tonbe, mansa-ba a fèmen tèt li nan palè li pou l kite l sèlman nan okazyon rekòt ; soti li se yon selebrasyon. Souveren an prezide fèt rekòt yo. Se an penpan l abiye, li monte chwal, e li galope ozalantou vil la, Dèyè li, tout nianthio [nantyo] k ap viv nan Kansala yo ap swiv.
Devan lotèl la, granprèt la sakrifye towo a pandan tanbou wayal yo ap sonnen, mansa-ba a te pran plas sou tapi wayal nan po lyon an, e neve li yo antoure l, ansanm ak jèn nantyo yo ki soti nan kapital la." (Trad.)
(116)
Relasyon ki genyen ant gwo seremoni yo ak lapli rete vivan nan Balan ak viwòn li. Chèf espirityèl Mandeng nan Kanlwiz la mansyone sa :
"Li di ke nan moman gwo sechrès yo, depi manm yo kotize pou fè yon gwo Mandeng jeneral, lapli kòmanse tonbe. Li di tou ke seremoni Mandeng yo pwoteje kont tanpèt ak move tan." (Trad.) (117)
Sa evidan ke tradisyonalis Mandeng nan "Lafrik" yo tou te konn sakrifye bèt pou siksè yon pwojè aktyèl. Eksploratè Mungo Park te temwen sa :
"Nan denmen, karavàn nan te kite Kussai, epi lè nou te antre nan premye forè a nou te rankontre, Izarak, ki yon prèt Mandeng, ki te sakrifye yon kabrit, e li te fè yon lapriyè long pou siksè vwayaj la." (Trad.) (118)
Mandeng tradisyonalis nan Sendomeng yo ta dwe sètènman sakrifye yon bèt pou siksè yon pwojè revolisyonè tankou Bwa Kayiman. Men, èske Mandeng islamize nan Sendomeng yo t ap fè menm jan sakrifis la? Nan lane 1893, yo te ekri ke Mandeng islamize nan "Lafrik" yo te rele fèt sakrifis chak ane yo "Tabaski" :
"Fèt Tabaski a pran plas nan alantou douzyèm mwa nan lane mizilman an. Fèt sila bay gwo rejwisans. Se tradisyon nan mitan mizilman yo pou yo touye omwen yon mouton nan chak fanmi nan jounen Tabaski a, epi yo pratike ospitalite ki laj pou etranje ak vizitè, nan tout dire fèt la. Kout tanbou ak bri bal sonnen jouk aswè.
Karite, yon jèn fòse ki dire yon sèten kantite jou, e ki kòmanse nan dizyèm jounen mwa nan menm lane a, li koresponn ak ramadan Arab yo ; Mandeng yo obsève l ak fidelite. Pandan tout dire Karite a, pa gen okenn mizilman ki gen dwa manje depi solèy leve jouk solèy kouche." (Trad.)
(119)
Tabaski sa a, nan lane 1893, e jouk jounen jodiya, li fete nan 12yèm mwa nan kalandriye regilye islamik la, nan dat yo rele 10 Dhou al-HIjja a. Kidonk, kèk 2 mwa apre ramadan. Men, jouk ta nan lane 1814, Mandeng yo ansanm ak lòt islamize nan "Lafrik" de Lwès yo, te selebre fèt sakrifis (Tabaski) yo dirèkteman nan fen mwa ramadan an, olye de nan 12yèm mwa islamik la :

"Tabaski a se fèt pak nèg; li vini anvan yon mwa jèn ke yo rele Bayram oswa Ramadan.
Pandan mwa a, marabou yo ak nèg yo ki fyè de devosyon yo, yo obsève ak pi gwo vijilans jèn yo ke lalwa òdone, epi yo pa manje anyen pandan jounen an ; anpil pouse fyète yo lwen jouk yo pa menm vale krache yo toutotan solèy pa kouche, lè sa a, yo dedomaje tèt yo pou abstinans nan lajounen an.
Tabaski a ak Kore a, yo selebre yo ak menm jwa ke Gamon an, eksepte ke nan Tabaski, yo touye plizyè bèf ke yo distribye bay pèp la pa moso : Kore a, li selebre nan mwa oktòb." (Trad.)
(120)
Sa vle di ke Mandeng islamize nan Sendomeng yo pa t fè seremoni Bwa Kayiman an (14 dawou 1791 oswa 21 dawou 1791). Paske, ramadan te kòmanse le 4 me 1791, e li te fini le 2 jen nan lane sa. Tabaski yo te fete nan dimanch ki pi pre a, ki te le 29 me 1791.
Fèt sakrifis nan kalandriye islamik nan Mwayen Oryan an, li sètènman te tonbe nan mwa dawou 1791. Men, sakrifis "10 Dhou al-hijja" a te nan dat 10 dawou 1791. Si Mandeng islamize nan Sendomeng yo te selebre li, li ta nan dat 7 dawou 1791, ki te dimanch ki pi pre a
.

8.3- Abitid Mandeng yo nan "klotire" batay, dapre memwa pèp ayisyen an

Aksyon "fèmen" oswa "klotire" evenman, sa sanble plis an akò ak tradisyon Mandeng yo pase aksyon kòmanse evenman. Tras de sa chita nan mo kreyòl "mikalaw" la. Mo kreyòl "Mikalaw" la soti nan mo Mandeng "Nyamakalaw", ki se fòm pliryèl Nyamakala. "Nyamakala", se non klas moun ki gen metye Griots (Griyo), Fòrj, Atizan, Travayè kwi, elatriye, lakay pèp Mande yo (kit se Mandeng, Banmbara, Sonike, Dyoula, Malinke, elatriye.)
Mo Mandeng "Nyamakala" a, li fèt ak "Nyama", ki se fòs lavi a, epi ak "Kala" ki vle di travay ak men. Paske, akoz de metye manyèl yo, nan peyi pèp Mande yo, Nyamakalaw yo te fòme yon klas sibòdone ke yo te meprize
.

("Nyamakala" nan yon pochèt mizik)
Sous : Blanc Manioc. "Nyamakala Beats #1" ; [anliy] URL : https://blancmanioclabel.bandcamp.com/album/blanc-manioc-presents-nyamakala-beats-1

Nan tan lagè, Nyamakalaw yo te fòme yon rejiman ki te toujou ekzateman gen 740 konbatan. Yo te konn plonje sou ledmi a toudenkou, pou yo te fini ak li :
"Nan Segou, Wayòm Banmbara a, te gen yon rejiman elit, tankou yon kòmando paran, ki te gen 740 kavalye Nyamakala. Ki te ale nan lagè. Ki te dèyè do Wa a. Yo te antre nan aksyon an sèlman pou yo te fini batay la, oswa pou yo te fèmen l." (Trad.) (121)
Nan Kreyòl ayisyen, "mikalaw" oswa "fè mikalaw", se menm bagay ak "anpil, abondans, vide anpil kantite" :
"mikalaw: fè ~ to abound, be plentiful, teem with, overflow with, swarm with." (122)
Tradiksyon :
"mikalaw: fè ~ gen anpil, kennkenn, chaje ak, debòde ak, blayi ak."
Apatidesa, Mandeng nan Balan yo te kenbe, swa ak ensten oswa nan listwa ki rakonte, ke gwoup yo konn "klotire" evenman yo. Santiman sila vle di ke anpil nan zansèt yo - ak zansèt Ayisyen anjeneral - te soti nan klas NyamaKalaw la. Pwiske nan "Lafrik", si gen defèt nan lagè, Nyamakalaw yo te pote blam an. E yo te touye yo, oswa vann yo nan esklavaj.
 
("Fè mikalaw", "fè tankou Nyamakalaw" yo, nan yon anons nouvèl)
Sous : Fouyapòt News24 ; 2 août 2020 ; [anliy] URL : https://www.youtube.com/watch?v=NvR-yUkT2k8
 
Islamize nan melanje ou pa, Mandeng Nyamakalaw yo, oswa pitit pitit yo, pa t demare seremoni Bwa Kayiman an, ni  leve kanpe jeneral la nan mwa dawou 1791. Lojik yo se te pou bay kou final la nan dènye moman an.

9- Mandeng yo nan koloni Sendomeng la

9.1- Lejann ke Mandeng yo te rebèl
 
a) Mandeng sevèr a
Revizyonis yo toujou ap voye flè sou lespri rebèl Mandeng yo. Pifò nan yo chita sou yon sitasyon Moreau de St-Méry. Msye te fè konnen Mandeng yo te sevèr kòm pwofesè. Men, revizyonis yo toujou refize bay konklizyon otè a ki di ke Mandeng yo te "bon pou yo itilize nan zile yo" :

"Mandeng la se yon mèt sevèr, kèk fwa li kriyèl, epi l abitye kòken. (...)  Men esklav Mandeng la, akozke yo te mate l nan esklavaj ak vyolans, li bon pou yo itilize nan zile yo, kote sò li amelyore, epi li pafwa pèdi gou li pou ti vòl." (Trad.) (123)
Revizyonis yo gen tò ensinye ke sevèrite Mandeng yo nan zafè ledikasyon, gen arevwa ak rezistans kont kaptivite (esklavaj). Paske, paran Ayisyen ki pi sevèr yo - kit yo gen san Mandeng ou pa - yo plis chèche kenbe timoun yo anndan kay ak lwen sosyete a. E eksperyans fè nou wè ke, lè dezobeyisans sivil blayi, fanmiy sevèr sa yo fèmen tèt yo anndan kay yo. Epi yo mete pwent tèt yo deyo sèlman lè lapè retounen.
Gwoup fanmiy ki pi èkstravèrti yo (kidonk, ki pi louvri sou sosyete a) - ki pi fò tan pi fleksib nan zafè edikasyon - an prensip, yo gen orijin Kongo, e se yo ki pi gen chans patisipe nan lit sivil ak sibvèsif. Se konsa l ye an Ayiti. E se konsa l te ye nan koloni Sendomeng la
.

an) Mandeng ki gwo nèg la
Dosye komès esklav transatlantik la montre ke "kago" kaptif (esklav) yo, li te ateri owaza nan koloni yo san okenn yerachi etnik. Men, lòt revizyonis prezante sitasyon san prèv sila, ki soti nan Jean Fouchard :

"Mandeng ak Banmbara yo (...) Kidonk se nèg rebèl ak fyè, ostil kont esklavaj, ki peple koloni an, e se pi vanyan yo, pi gwo nèg ak ki an sante yo ke komèsan esklav yo te rezève pou Sendomeng." (Trad.) (124)
Vreman vre, Jean Fouchard te prezante pou prèv sèlman yon lejann iben ki pretann ke yo te rezève gwoup etnik ki pi gwo nèg yo pou Sendomeng :
"Yo te konn di "bon moun Gwadloup yo", "Mesye Matinik yo" epi "senyè Sendomeng yo"." (Trad.) (125)
Plantè Gérard aîné (Jera Ene) te konfime solidite plizyè gwoup etnik, tankou Mandeng yo. E sa pa t rann yo rebèl menm. Okontrè, gwoup etnik solid nan fizik sa yo te kolabore, epi kolon yo te apresye yo, paske yo te bay rannman :
"Nèg Kotdò, Arada, Ibo, Takwa, Awousa ak Mandeng yo merite ke nou prefere yo a nèg Kongo yo pou yon dal kalite rezon : premye yo renmen travay natirèlman, yo kenbe kay yo pwòp epi yo atache anpil a madanm ansanm ak timoun yo. Yo gen lanmou pou pwopriyete, e sa fè yo rayi vole ak mawonaj. Kò yo djanm epi yo viv lontan." (Trad.)  (126)
Kidonk, gwoup etnik ki gen fizik solid, ki efikas ak serye, tankou Mandeng yo, yo te kontribye nan kontinwite sistèm eksplwatasyon an. Anplis, enfliyans gwoup etnik Mandeng la sou lòt etni nan Sendomeng pa t egziste. Paske, Mandeng yo pa te resevwa estim nan men popilasyon kaptif (esklav) la, dapre obsèvasyon kolon S.J. Ducoeurjoly :

"Yo pa t bay nèg Mandeng yo, Kong yo, ak Mondong yo valè. Sila yo gen dan siye nan fòm pwent, epi lòt pèp yo te konsidere yo antropofaj [kidonk kanibal oswa manjè de moun]." (Trad.) (127)
Pi mal ankò pase meprize, leksik ayisyen an sonje Sousou yo antanke trèt. E Sousou yo se yon pèp Mandeng islamize.

9.2- Mandeng yo (Sousou) te trèt, daprè memwa pèp ayisyen

Nan Sendomeng te gen yon pakèt manb nan gwoup etnik Sousou a. Ki se yon pèp Mandeng ki soti nan peyi Gine Konakri, Gine Bisawo ak Syeraleyòn :

"Nèg nouvo, ki soti nan nanchon Sousou, ki pa t ka di non li ni non mèt li, li tanpe sou tete gòch PLICHER, laj li anviwon 28 an, gwosè li 5 pye 2 pous, yo arete l nan Valyè." (Trad.) (128)
Pèp Sousou a te konvèti nan islam nan 17yèm syèk kretyen. (129) Epi kilt li rete senkretik. Non Sousou a senbolize sèk lajan nan plizyè peyi : yon mo ak yon pratik, sepandan, ki soti nan "esusu" nan lang pèp Yoruba (Nago) nan Nijerya. (130) An Ayiti, Sousou raple yon bagay byen diferan. Paske nan Kreyòl ayisyen, "sousou" oswa "Ti sousou" vle di trèt.

"sousou a   n  Flatterer, sycophant, boot-licker." (131)
Traduction :
"sousou yon   n  Flatè, tchoul, achtè de figi."


("Traitor, sell-out, Judah, Ti sousou, Tchoul Blan")
Sous : Smith Georges. "Haiti: Toto Constant Talks About CIA vs. Aristide". (26 mas 2009) [anliy] URL : https://www.youtube.com/watch?v=3AZFKDaGi5o ; Kapti : 02:00

Literati konfime orijin etnik mo "sousou" a ki vle di "trèt" nan Kreyòl ayisyen. Depi lane 1889-1890, 2 chèchè separe te dekri karaktè pèp Sousou a ak mo sa yo :
""Sousou a pa gen okenn ensten sòlda e li gen tout defo ras nwa a : parese, san enkyetid pou demen, Sousou a tou se yon mantè, twonpè ak vòlè."
(...)
"Sousou a (...) karaktè li pouryanis ak manfouben (...) ; sepandan, anpil eleman [nan yo] gen yon ensten devlope pou fè komès, ak pou sèvi kòm entèmedyè nan tranzaksyon komèsyal ant Ewopeyen ki tabli sou kòt la ak pèp ki andedan  yo (...). Sousou yo, espesyalman chèf yo, gen yon lespri trèt ki fè yo apwopriye anpil pou politik, epi bay manti pouse nan dènye limit nan mitan yo. Yo touye tou ak pwazon, ak anpil fasilite, e san okenn remò, moun ki ka bare lanbisyon yo."" (Trad.)
(132)
Prèske yon syèk pita, an 1971, chèchè Claude Rivière te note tolerans, adaptabilite, lespri konsilyan, parès, lespri ouvè ak koperativ Sousou a. Ansanm ak lakay yo :
"tandans melanje kilti yo ak pa pèp vwazen an ki pi estriktire sosyalman, ak pi plis nan kantite." (Trad.) (133)
Nan anviwònman dominasyon ekstrèm Sendomeng la, li pa etone nou ke Sousou a te pran pou gwoup pi fò a, e ke li te itilize talan trèt li kont kaptif (esklav) parèy li.
Egzistans mo sousou a ki sinonim trayizon nan Kreyòl ayisyen, sa temwaye mefyans popilasyon kaptif (esklav) la pou gwoup etnik Sousou a ki te pratike, selon tout estimasyon, yon islam ekstrèmman melanje ak relijyon tradisyonèl la.
Anplis, Divinite (Lwa/Jany) ke yo rele Sousou yo, yo jwenn yo nan lis Divinite tradisyonèl ayisyen yo. Men, gen yon konfizyon ant Sousou, gwoup etnik la, ak "sousou", bèt pou sakrifis la, ki soti nan mo "nsusu", ki vle di "poul" nan lang Kikongo. Divinite Sousou Pannan ofri 2 jan entèpretasyon sa yo
.
 

Sousou (susu) lakay Jamayiken yo?

Nan bouyi vide, yo sikile lide ke lè Jamyiken yo di "susu" oswa "susu 'pon ou", sa refere a gwoup etnik Sousou a, tankou an Ayiti, kote yo di sousou, ti sousou, sousou pannan. Men pa gen okenn lyen ant 2 reyalite sa yo. Sousou ayisyen an se yon adjektif ki dekri fason sounwa ak flatè yon moun, nan referans gwoup etnik Sousou a.


("Su-su" nan mizik Bob Marley)
Sous : Bob Marley. "Who the cap fit". [anliy] URL : https://www.youtube.com/watch?v=6Ek9zsyejN0 ; Kapti : 0:3:42.

Mo "su-su" jamayiken an, li se yon vèb ki refere a pale mal dèyè do yon moun. Vèb sila soti nan lang Twi (nan peyi Gana) kote "susuw ka" vle di "rapòte yon bagay sispèk", epi "asu-tu" vle di "chichote - dèyè do yon moun", "sikile tripotay", "pale yon moun mal". (Trad.) (134) Epitou, nou konnen nan Jamayik, enpak lengwistik mawon Kromenti (pèp Akan ki soti nan Gana) yo te genyen.

9.3- Gwo diferans ant Sousou a ak kouzen l, tradisyonalis Banmbara a

Kanta pou "Banmbara yo, ki te yon fraksyon nan Mandeng yo ki te rete fidèl a animis, e ki te kanpe rèd kont islam", (Trad.) (135) pa gen okenn abitid ki relye ak non yo an Ayiti. Sinon ke yo onore yo antanke Banmbara, Danmbara oswa Palmannan, nan rityèl tradisyonèl ayisyen an. Epi antanke Mannmannan, nan memwa fòlklorik la.
Nan "Lafrik", Banmbara yo (Bamanan), kontrèman ak "Mandeng" Sousou islamize yo, chita idantite yo sou degoutans yo pou trayizon ak depann de moun. Me, sou sijè sa a, pawòl griot (griyo, kidonk istoryen tradisyonèl) Malyen Oumar Koné :

"Lè w Bamanan, se yon gwo lonè. Nan sans ke sa senbolize ke w refize sa k gratis ak trayizon.
Kepi ke yon nonm Bamanan mete, li vle di, pa janm aksepte manje ke w pa t kontribye ladan l.
(...)
Lè El hadj Omar Tall te rive lakay nou, li te eseye konnen Bamanan nan Segou yo, daprè kiyès, yon nòb pa kapab bay manti, trayi moun parèy li ak file madanm lòt moun.
Isit la, nan Segou, nou eksprime panse nou san detou, kèlkeswa konsekans la. Nou pa konnen mete ajenou. Bamana a se yon nonm ki gen pawòl, lonè." (Trad.)
(136)
Lè l te aprann karaktè otonòm Banmbara yo, Rachel Beauvoir-Dominique te chèche fè Mandeng islamize yo benefisye de sa. Mandeng yo ke l te asosye ak Balan ansanm ak seremoni Bwa Kayiman an. Pou l reyalize sa, Rachel Beauvoir-Dominique te refize rekonèt Banmbara yo kòm yon gwoup etnik separe. Li te okontrè fè yo fonn nan mitan Mandeng yo ak Foula yo. Apresa, li foure karaktè rebèl Banmbara yo (ke sepandan memwa ayisyen pa konsève) nan yon ekspresyon ayisyen ke li defòme  :
"Banmbara yo rele "Banmanan" lokalman; ekspresyon ayisyen an :"banmanan kase kòd nan batiman" sèlman montre siyifikasyon orijinal tèm ki se "baman : refize mèt." Repite tankou rebèl, non yo soti, anplis nan siy la ke manm sosyete sekrè vanyan yo afiche." (Trad.) (137)
Visyez Beauvoir-Dominique la pretann ke Ayisyen yo di "Banmanan" (Ban-ma-nan), pandan ke an reyalite, yo di "Palmannan" (Pal-man-nan). Ekspresyon kreyòl otantik la se okontrè "Blan mannan kase kòd (nan) batiman" (Blan mannan an kase kòd bato a).
Ekspresyon kreyòl popilè sila pale de "Blan mannan" (Blancs manants). '"Manant" te yon mo akayik [kidonk ansyen] ki dekri : yon peyizan, yon abitan, avan sa yon bandi, yon sanzave, yon nonm ki anba yon chèf feyodal, ki anba lajistis feyodal ; ou ka menm di yon gwo soulye, nonm andeyò. (138)
Nan tan koloni yo, Manants (Peyizan) yo te "Angaje" oswa "36 mwa", kidonk Ewopeyen pòv ki te vann travay di yo nan zile yo, pou yon peryòd ki te dire 36 mwa. Travayè Ewopeyen ak kontra sa yo, te gen lakrentif britalite tretman ki t ap tann yo nan zile yo. Se sa k fè souvan, yo te chape nan batiman (bato) ki t ap debake yo.


9.4- An Ayiti, eritaj Mandeng la plis tradisyonalis

Nan analize ak reanalize kèk bout lapriyè islamik ki konsève nan rejyon Balan an, chèchè yo bliye ke pi fò eritaj Mandeng an Ayiti te klèman tradisyonèl.


(Vèvè Nantyou, Divinite Mandeng nan rityèl ayisyen an)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.548.

Erezman, bèl lapriyè Djò a, rit tanbou Mandeng klasik yo, rit ki rele "Madanm Tobodop" la (ki se yon varyasyon de Ngri), Divinite (Jany/Lwa) tankou Faro, Penmba, Palmannan, Nantyou (oswa Nanchou), elatriye, yo la pou raple nou eritaj Mandeng tradisyonèl la.

10- Islam nan Sendomeng ak reyalite pòskolonyal la  

Kòman pou n ta ka lage patènite Revolisyon Ayisyen an nan men islam, yon relijyon an reyalite ki te absan nan 2 syèk egzistans leta ayisyen? An 1804, dat endepandans Ayiti, 2 nwa sou 3 te fèt nan "Lafrik". Sepandan, depi kòmansman Revolisyon an (1791) jouk jounen jodiya, tout lidè siprèm ke Ayiti te genyen te Kreyòl (kidonk yo te fèt nan zile a) :
  1. Jean-François Papillon (Janfranswa Papiyon) (1791-1793), Kreyòl (katolik senkretik)
  2. Toussaint Louverture (Tousen Louvèti) (1794-1802), Kreyòl (souch tradisyonalis Dawome ; katolik ki fè pratik)
  3. Jean-Jacques Dessalines (Janjak Desalin) (1803-1806), Kreyòl (souch tradisyonalis Kongo ; tradisyonalis)
  4. Henry Christophe (Anri Kristòf) (1806-1820), Kreyòl (souch tradisyonalis Ibo ; katolik, plis oswa mwens pwotestan)
  5. Alexandre Pétion (Aleksann Petyon) (1807-1818), Kreyòl (katolik)
  6. Jean-Pierre Boyer (Janpyè Bwaye) (1818-1843), Kreyòl (souch tradisyonalis Kongo ; katolik)
  7. Charles Rivière-Hérard (Chal Rivyèr Hera) (1843-1844), Kreyòl (katolik)
  8. Philippe Guerrier (Filip Gerye) (1844-1845), Kreyòl (katolik)
  9. Jean-Louis Pierrot (Janlwi Pyero) (1845-1846), Kreyòl (tradisyonalis ki fè pratik). Mari Cécile Attiman Coidavid (Sesil Atiman Kwadavid) ke yo rekonèt plis sou non Cécile Fatiman (Sesil Fatiman), li se papa Célestina Pierrot (Selestina Pyero) ke yo bay tinon Sese.
  10. Jean-Baptiste Riché (Janbatis Riche) (1846-1847), Kreyòl (katolik ki fè pratik)
  11. Faustin Soulouque (Fosten Soulouk) (1847-1859), Kreyòl (souch Mandeng ; tradisyonalis ki fè pratik). Yo te ba l pouvwa nan blage, paske yo te konsidere l inosan akozde orijin "Afriken" (Mandeng) li ki te parèt anpil. 
  12. Fabre Nicolas Geffrard (Fab Nikola Jefra) (1859-1867), Kreyòl (souch Senegal ; katolik ki fè pratik). Li siyen konkòda ak vatikan an.
  13. Sylvain Salnave (Silven Salnav) (1867-1869), Kreyòl (tradisyonalis ki fè pratik)
  14. Nissage Saget (Nisaj Sajè) (1869-1874), Kreyòl (katolik ki fè pratik)
  15. Michel Domingue (Michèl Domeng) (1874-1876), Kreyòl (plis oswa mwens tradisyonalis)
  16. Boisrond Canal (Bwawon Kanal) (1876-1879), Kreyòl (tradisyonalis senkretik)
  17. Lysius Salomon (Lisiyis Salomon) (1879-1888), Kreyòl (plis oswa mwens katolik)
  18. François Denys Légitime (Franswa Deni Lejitim) (1888-1889), Kreyòl (souch islamik ak kretyen Etyopyen ; katolik)
  19. Florvil Hyppolyte (Flòvil Ipolit) (1889-1896), Kreyòl (katolik)
  20. Tirésias Simon Sam (Tirezyas Simon Sam) (1896-1902), Kreyòl (katolik ki fè pratik)
  21. Pierre Nord Alexis (Pyè Nò Aleksi) (1902-1908), Kreyòl (tradisyonalis ki fè pratik). Bofis Cécile Attiman Coidavid ke yo rekonèt kòm Cécile Fatiman. Mari Célestina Pierrot ke yo bay tinon Sese.
Tablo sila montre ke yon syèk apre endepandans la (1804-1904), sèlman 3 nan chèf sa yo te gen zansèt ke yo rekonèt te soti yon kote islam te tabli.
1) Faustin Soulouque, ke manman l, Marie-Catherine te yon Mandeng, te sepandan pi tradisyonalis pase tout chèf deta Ayiti te janm genyen. E non totemik (vanyan) li "Soulouque" (Soulouk) soti nan "suluku", ki vle di bèt yo rele "yèn" an, nan lang Mandeng. (139)
2) Fabre Nicolas Geffrard ke grann bò papa li, Julie Coudro, te soti Senegal, li te pi katolik pase tout lòt chèf deta Ayisyen
3) François Denys Légitime, manman l, Modeste Testas te fèt ak non Oriol-Poci oswa Alpouci. E nan peyi natal li, kise Etyopi, manman l te pratike yon islam ki melanje ak krisyanis. (140) Sepandan, Prezidan Légitime te katolik, e li te ekri "La vérité sur le vaudoux" (Verite a sou vodou), (141) ki se yon liv ki te favorab pou relijyon tradisyonèl la. 
Sa vle di, Ayisyen yo sanble te vire do bay islam ke yon nan zansèt yo te pote nan zile a.

10.1-  Men kote mizilman Sendomeng yo pase?

Apeprè 4% nan kaptif (esklav) yo te enpòte nan zile a te soti nan peyi ki plis oswa mwens islamize. Poukisa, lè w gade byen, kilt yo disparèt nèt nan peyi Dayiti? Islamize yo te pran 3 wout diferan, ak pwòp volonte yo, nan nouvo nasyon ayisyen an :
1) Yon pati non yo te mouri ak kilt mizilman plis oswa mwens melanje yo a, ki pa t rive jwenn lòt jenerasyon yo.
2)Yon pati nan yo te konvèti volontèman nan katolik. Nan tan lontan, konvèti sa a te fèt anba presyon sosyal konsiderab ke kaptif (esklav) Kreyòl yo te bay yo. Kaptif (esklav) Kreyòl yo, kidonk sila yo ki te fèt nan zile a, te eksprime mepri pou "Afriken" yo ke yo te rele chwal .

"Jan nèg Kreyòl yo pretann, paske yo te resevwa batèm, yo te gen anpil siperyorite sou tout nèg ki te soti Lafrik yo, e ke yo bay non Bosal, yon non yo itilize nan tout Amerik panyòl la ; Afriken yo ke yo joure lè yo rele yo Chwal, yo te gen anpil anvi al batize. Nan sèten moman tankou samdi sen ak samdi pentkot, lè yo batize granmoun, nèg yo t al legliz, epi twò souvan san okenn preparasyon, ak san okenn lòt konsiderasyon, apade asire yo ke yo gen yon parenn ak yon marenn, ke yo prezante yo pafwa nan moman an menm, yo resevwa premye sakreman Kretyen an, epi konsa yo pwoteje tèt yo kont joure yo bay sila yo ki pa batize yo, byenke nèg Kreyòl yo toujou kontinye rele yo batize kanpe. [Kontrèman ak Kreyòl yo ki te prezante nan tanp lè yo te tibebe]" (Trad.) (142)
Pakonsekan ekspresyon kreyòl la ki se : "M pa ka legliz pou m mouri chwal". Ekspresyon ki, nan Ayiti modèn, envite yon moun pwofite de yon bon opòtinite. Ekspresyon sila montre ke kaptif (esklav) islamize oswa tradisyonalis nan Sendomeng yo te vrèman chèche konvèti nan katolik, pou yo pa t mouri san batize oswa "chwal".
3) Yon lòt pati nan yo, ki te konvèti ofisyèlman nan katolik, an reyalite te retounen nan relijyon tradisyonèl ke yo te pratike anvan islam an. Anplis, prèv de reyalite sila toujou egziste. Nou panse a "Machala" (March a Allah) ki parèt nan kèk fòmil majik. Menm jan an tou, "Nchala" (Inch Allah) ki vle di nan lang arab "Si Allah vle", li siviv nan non Divinite (Lwa/Jany) tankou Abikou Nchala Nougwe ; ak Grann Dayanou Nchala Nougwe. Sa pa ta dwe yon sipriz, pwiske pifò islamize nan Sendomeng yo, tankou sila yo ki nan kontinan "Lafrik" yo, te pratike yon islam ki te melanje ak relijyon tradisyonèl zansèt yo.
Sesi di, nou konnen byen ke revizyonis yo rejte lide ke yon mizilman ka volontèman konvèti nan krisyanis, e ale wè nan relijyon tradisyonèl la. Libète nan volonte, nan pwen de vi yo, sa ale nan yon sèl sans. Kidonk, yon "Afriken" tradisyonalis ka konvèti nan islam. Men, menm "Afriken" sila pa gen dwa retounen nan relijyon ke l te pratike anvan islam an
.


10.2- Islam moun nwa ak esklavaj nan "Lafrik"

Kontrèman ak krisyanis, islam gen pasaj ki ankouraje abolisyon (kidonk libere kaptif (esklav)) antanke zak endividyèl. Sepandan, kwape esklavaj kòm yon sistèm, doktrin mizilman an pa pwopoze sa.
Komès esklav trans-Sahara a (kidonk ki travèse dèzè Sahara a), kote plizyè milyon "Afriken" nwa te depòte vè Mwayen Oryan islamik la, li te dire 14 syèk : soti nan 7yèm rive nan fen 20yèm syèk kretyen. Omwen ofisyèlman. Lè w konpare l ak komès esklav trans-Atlantik la (kidonk ki travèse Oseyan Atlantik la) ke kretyen oksidantal yo te mete kanpe, li te dire 4 syèk : soti nan 16yèm rive nan fen 19yèm syèk kretyen
.

(Razya, kidonk atak esklavajis, Mòr yo )
Sous : "Maures pillants un village Nègre". René Geoffroy de Villeneuve. L'Afrique, ou Histoire, moeurs, usages et coutumes des africains: ‪le Sénégal ; orné de quarante - quatre planches, exéculies la plupart d'apris les dessins originaux inédits, faits sur les liaux‬. Volume 2. Paris, 1814. p.129.
 
Pwiske zafè ras enterese yo anpil, regilyèman chèchè yo mete reyalite istorik sa yo deyò. Men, yo fin bèbè lè rive tan pou pale de wòl islam moun nwa pratike nan esklavaj lokal.
Sepandan, revizyon islamik de Revolisyon Ayisyen an baze an pati sou inyorans islam esklavajis ke moun nwa te pratike. Pa egzanp, nan lane 1900, plis pase yon syèk aprè kòmansman Revolisyon Ayisyen an (1791) ak abolisyon fòse esklavaj nan Sendomeng (1793-1794), "Lafrik" nwa islamize te gen plizyè milyon kaptif (esklav) nan mitan l.


Esklavaj ke mizilman fè nan "Lafrik" nwa nan lane 1900
Rejyon
Kantite esklav
Pousantaj popilasyon an
Wo Senegal-Nijèr
821,639
21
Gine
686,762
51
Senegal
330,082
31
Kalifa nan Sokoto
1,000,000 - 2,500,000
25-50
Total
2,837,000 - 4,337,000
25-50

Sous : Paul E.  Lovejoy. "Islam, slavery, and political transformation in West Africa : constraints on the trans-Atlantic slave trade". In: Outre-mers, tome 89, n°336-337, 2e semestre 2002. traites et esclavages : vieux problèmes, nouvelles perspectives ? pp. 247-282. (p.263)

Milyon kaptif (esklav) sa yo, se zak mizilman nwa yo. Pa egzanp, nan mwa janvye 1804, lè Ayiti te jis reyalize endepandans li, Foula islamis Ousmane Dan Fodio (Ousmàn Dann Fodyo) a te pote konsèp gè relijyon an (djihad) nan "Lafrik" de Lwès. Se pa t pou emansipe (kidonk libere), men pou l te enpoze islam òtodòks (kidonk islam strik). Epi pou l te foure plizyè milyon nwa nan esklavaj.
Kalifa nan Sokoto a+++++ ke Dan Fodio te fonde nan mwa fevriye 1804, e ke, apre li, fanmi li te dirije, li te gen plis kaptif (esklav) pase Sendomeng te janm genyen. Sa te pran entèvansyon Britanik (kretyen), pou mete otan nan esklavaj moun nwa ke mizilman nwa sa yo t ap fè.
Men, si nan Sendomeng, yo t ap tann rebelyon kaptif (esklav) islamize, esklavaj pa t ap janm te aboli sou zile sila ; e Ayiti pa t ap janm endepandan. Kaptif (esklav) islamize sa yo te kwè ke moun nwa merite esklav, paske sa te di nan yon lejann biblik ak koranik
.



11- Gwoup etnik tradisyonalis yo, daprè memwa ayisyen yo

Anjeneral, pèsepsyon (kidonk jan yo wè) gwoup etnik tradisyonalis yo pozitif nan leksik ayisyen. Non yo te vin tounen non Nanchon sakre yo, non Divinite, rit, chante sakre, dans, elatriye. Sesi di, Kreyòl ayisyen an kenbe pèsepsyon negatif tou de non kèk gwoup etnik tradisyonalis, ke li fè tounen jouman :
  • Avadra (non gwoup etnik ki pale lang Fon, Ewe ak Adja. Ki soti nan Arada, nan Dawomen oswa nan peyi Benin jodiya) : voryen, pòv, sanzave, mal abiye, timoun abandone, san valè.
  • Baka (non gwoup etnik pigme ki soti nan forè Kamewoun ak Kongo) : Tinen, demon. Move pèsepsyon sila plis soti nan sipèstisyon pase nan reyalite. Prezans yon moun titay pafwa evoke yon lakrentif isterik lakay kèk Ayisyen inyoran.
  • Bizango (non gwoup etnik ki soti nan zile Bisango yo) : Dyab, kanibal, paske yo te pè manm sosyete sekrè yo. Nou ilistre nan yon atik anvan ke move repitasyon sila te byen fonde. 
  • Wondonn oswa Wondong (non gwoup etnik Moundang ki soti nan "Lafrik" Santral) : Brital, san rafinman.
  • Kongo (non yo rele tout gwoup etnik ki soti nan Kongo) : Moun sòt, egare, peyizan, ki pa enfòme, ki pa sofistike, elatriye.
Tout etikèt sa yo, ansanm ak lòt yo bay gwoup etnik islamize yo, yo konstitye jouman nan Kreyòl ayisyen. E nou pa gen pwoblèm ak sa. Paske, kontrèman ak revizyonis islamik yo, nou pa pwopoze etnisite kaptif (esklav) tradisyonalis yo kòm yon bagay ki bay enfliyans popilè. Nenpòt obsèvatè ka konkli aklè ke Revolisyon Ayisyen an se rezilta patisipasyon tout eleman ki oprime nan sosyete Sendomeng la.

11.1- Kongo yo ak akizasyon trèt la
 

Chèchè yo te inyore jouman ki asosye ak non lòt gwoup etnik yo, men yo pran repete ke "Kongo" se yon jouman nan Kreyòl ayisyen. Paske, daprè yo, Kongo yo te kontan sou plantasyon yo, e kolon yo te renmen yo pou sa. E sitiyasyon sa a te lakòz lòt kaptif (esklav) yo pran Kongo yo pou trèt. Ki sa li te ye reyèlman?
Kolon Gérard aîné te pale de frajilite fizik Kongo yo, ansanm ak gou yo pou mawonaj. Kidonk, 2 defo ki te deranje sistèm eskplwatasyon an
:

"Kongo yo, kanta yo, yo pifò tan parese, libètinè, makomè, kò yo mòl, e pou rezon sa, yo fasilman trape yon maladi ki toujou fatal, cachexia, ke yo rele isit la malestomak. Yo maton nan vòlò ak mawonaj, epi nou obsève ke yo deja fin granmoun a 40 an. Finalman, nou ka di ke Nèg Kotdò yo se gason pandan ke Kongo yo se sèlman machin ki deranje fasil anpil." (Trad.) (143)
Kongo yo, ki libètinè nan nannan yo, kè kontan yo nan atelye yo te fè lòt kaptif (esklav) yo renmen yo, olye yo ta rayi yo :
"Kongo yo, anjeneral, se gwo mokè, ki fè bwi, fè jès ak mizik dwòl, fè plezantri ak kanmarad yo. Yon sèl Kongo ase pou bay tout nèg nan yon bitasyon kè kontan. Panche yo pou plezi fè yo bon pou travay di, kòm yo parese epi renmen tèlman manje, se yon kalite ki ba yo anpil dispozisyon pou yo aprann detay ki genyen nan travay kwizin : yo anjeneral anplwaye yo nan sèvis gwo kay la, paske anjeneral yo gen bèl figi." (Trad.) (144)
Afeksyon kòlèg yo te genyen pou Kongo yo te lakòz asosyasyon mo "Kongo" a ak bagay pozitif : rit Kongo, dans Kongo, kout tanbou Kongo, Divinite Kongo, pwa Kongo, elatriye. Eben, kote fo akizasyon trayizon sila soti?
1) Nan yon woman fantezi (kont Vodou) ke yon franse Jean Kergoz (1921) te ekri. Sa k te ekri nan woman sila te sètènman rive jwenn milye katolik ayisyen an ki te nan mitan lit "anti-sipèstisye" li a kont relijyon tradisyonèl la.
2) Ke l te li woman franse a ou pa, istoryen ayisyen an Jean Fouchard (1977, 1988) te ekri kont swadizan karaktè trèt Kongo yo. Men, san li pa t prezante orijin etranje akizasyon sila.
3) Guérin Montilus (1988), yon Ayisyen ki gwo pwomotè kilt Dawomen (Beninwa) an, te gaye lide ke Kongo yo trèt, pou l te ka elve prestij moun Dawome yo. Men li rete bèbè sou lefètke, tankou Kongo yo, Dawomeyen yo gen yon bon repitasyon (Rada) ak yon move repitasyon (Avadra) ki limenm se yon jouman pi mal pase "Kongo".
4) David Geggus (1991), epi lòt chèchè etranje apre li, ki inyoran de Kreyòl ayisyen an, te kwè nan fo asosyasyon Kongo ak trèt la, ke okenn diksyonè Kreyòl pa janm make. (145)


11.2- Revizyon tradisyonalis Bwa Kayiman ak Revolisyon Ayisyen an

Tradisyonalis yo tou - kit yo sipòte revizyon islamik la ou pa - yo pwopaje teyori ki pa pwouve sou Bwa Kayiman ak Revolisyon ayisyen an. Teyori yo pi repete yo, ak ki pi pa gen sans yo di konsa :
 

- Anvan seremoni Bwa Kayiman an, gwoup etnik nan Sendomeng yo te divize. E ke se te pandan seremoni Bwa Kayiman an ke yo te finalman kapab ini tèt yo. (Fo)
Moreau de St-Méry te rakonte ke Nwa yo, kèlkeswa gwoup etnik yo, te kenbe yon koneksyon fratènèl. Epi yonn te konn rele lòt "batiman" (sa vle di "bato"), lè yo te travèse Atlantik la sou menm bato esklav la. (146)
Menm jan an tou, revizyonis tradisyonalis yo evoke ekspresyon kreyòl la ki di : "Pa p fè 1 pa Kita, 1 pa Nago", pou yo eksprime yon konfli tribal, ki pa parèt nan okenn dokiman, ant gwoup etnik Kita ak Nago. An reyalite, "pa p fè 1 pa (dans) Kita, 1 pa (dans) Nago", se sa ekspresyon an vle di. Paske ekspresyon an fè referans ak imobilite, olye de dezakò. San konte ke reyinyon nan Mònwouj la te fèt sitou ak chofè epi kòmandan atelye. Pozisyon prestijye sa yo te ranpli prèske sèlman ak Kreyòl, olye de "Afriken" ki ta reprezante Nanchon yo.
 

- Gwoup etnik nan Sendomeng yo pa t pale yon lang komen. E se pandan seremoni Bwa Kayiman an ke yo te envante Kreyòl ayisyen an. (Fo)
  • Gen lang komen (ke yo rele lang franch) nan tout zòn nan "Lafrik". Lang franch sa yo pèmèt yon foul gwoup etnik fè echanj ansanm.
  • Ou pa ka envante yon lang pandan yonn oubyen de seremoni
  • Kaptif (esklav) ki fèk rive nan zile a, moun ki pale lang etnik yo te anseye yo Kreyòl
  • Lang Kreyòl yo ki baze sou Franse nan kontinan Lamerik la, (ki gen ladan Kreyòl ayisyen an) yo te envante an reyalite nan alantou lane 1635, nan Matinik ak Gwadloup. Lang nouvo sila soti nan lefètke kèk santèn nouvo kaptif (esklav) nwa, ke Franse yo te achte nan men machann Olandè, t ap viv nan menm espas ak yon dal Angaje blan. Angaje sa yo te Nòman, kidonk, yo te soti nan kòt Nòdwès Lafrans. Nòman Angaje yo, ki te responsab kaptif (esklav) yo, te aprann yo yon vèsyon senplifye de lang lokal yo. Apre sa, misyonè yo te transpòte nouvo lang sila nan anpil zile. E yo te anseye l bay kaptif (esklav) yo, kit yo Kreyòl (kidonk, fèt nan zile yo), kit yo te fèt nan "Lafrik". Ak tan k ap pase, ak chanjman sosyal ak politik, varyasyon plis oswa mwens enpòtan vin parèt nan Kreyòl franse yo. Kreyòl ki an Ayiti a, li te akeri fòm li genyen konnye a, sèlman apati lane 1820, apre lanmò Wa Anri 1ye epi reyinifikasyon zile a sou Prezidan Jean-Pierre Boyer. Sitwayen yo, apati de epòk sa a, pa t blije rete sou ansyen bitasyon kolonyal yo - omwen nan Nò a. Yo te vin "Afrikanize" estrikti Kreyòl Nòman an, ak kontribisyon leksik ak sentaks rejyonal ak etnik yo.

- Ke Revolisyon ayisyen an te sèlman travay relijyon tradisyonèl la. (Fo)
Patisipan nan reyinyon nan Mònwouj yo pa te chwazi sou yon baz relijye. Yo te chwazi an koneksyon ak metye entèmedyè yo ki te rann yo klas elit kaptif (esklav) nwa yo. Nou pa p neglije patisipasyon kretyen yo (katolik ak pwotestan) anvan leve kanpe a. Apre sa, te gen patisipasyon prèt katolik nan premye mwa batay yo. Nou sonje, pa egzanp ke :

  1. Prèt katolik nan tout zile a (pati franse ak panyòl la), ki te opoze ak Revolisyon franse a, te pami premye pwomotè revòlt kaptif (esklav) Sendomeng yo.
  2. Tousen Breda, chofè lib epi katolik pratikan devwe, te foure bouch nan konvèsasyon konplo 2 kolon (katolik, pwiske se te relijyon koloni a) : Bayon de Libertat ak - selon tout lojik - Séraphin Salnave. Tousen, ak jeni li genyen an, te pwopoze 2 kolon sa yo, zanmi pwòch depi lontan li, ke yon fo pwoklamasyon wayal pou mete otan nan bat moun ak fwèt, epi 3 jou konje pa semèn ap ase pou fè kaptif (esklav) yo revòlte. Fo pwoklamasyon an, yon milat te li, nan reyinyon Mònwouj (Bwa Kayiman) an.
  3. 2 kolon konplotè yo te rekòmande Tousen Breda bay lòt manm Komite kont-revolisyon nan Okap la. Kèk tan apre, Komite a te ekri Tousen, ki te degaje l bay tèt li non Louverture (Louvèti), - paske l pral louvri pòt Revolisyon an - yon lèt patant (oswa yon paspò) ki pral pèmèt li rekrite lidè nan Nwa wayalis yo. Lèt rekritman sila ki date 6 novanm 1790 te siyen : Bousson, Gatrau, Estève (3 katolik) ak Paul Cairou - oswa Glairou - (pwotestan ki fè pratik). (147)
  4. Nèf mwa pita, nan 14 dawou 1791, yo pral enprime yon fo jounal - ke yon milat pral li - nan reyinyon nan Mònwouj la. Lè yo te wè lèt patant yo te bay Tousen "Louvèti" a, 200 chofè ak kòmandan atelye yo - kidonk moun ki pa t chwazi sou baz relijye - pa te gen okenn pwoblèm pou yo kwè ke twoup wayalis yo nan wout ; e byento yo pral nan zile a pou sipòte revòlt la ke Nwa sa yo pral kòmanse. Boukman (tradisyonalis) te fè gwo manman diskou l la. Apre sa, yo pral mete dat revòlt la pou fèt (katolik/wayalis) Sen-Lwi-Wa-de-Frans la, ki se le 25 dawou.
  5. Konplotè Nwa yo te fèmen reyinyon 14 dawou 1791 sila ak yon lapriyè tradisyonèl senkretik kote yon dirijan gason te sakrifye yon towo nwa. Nan dat dimanch 21 dawou 1791 atò, yo pral fè yon seremoni antyèman relijye, nan yon plas ki pa twò lwen. E pandan seremoni tradisyonèl sila, se yon fanm, fwa sila, ki sakrifye yon kochon nwa. Divinite a pwopoze yo atake, olye de nan lannwit 24-25 la, jan yo te deside l, men nan lannwit kap vini an, ki se 22-23 dawou. E se egzakteman sa yo te fè. Se konsa Revolisyon ayisyen an te pati.
  6. Aprè Revolisyon an te eklate, prèt katolik yo te chwazi kan rebèl yo, kote yo te sèvi kòm omonye, sekretè, oswa konseye. Ann mansyone Pè Phillippe, Sulpice, De la Haye ak Philemon (ki limenm te bay lavi li). Pè sa yo pa t kont seremoni tradisyonèl rebèl yo ki te fèt nan prezans yo, nan kan yo. Konsa tou, rebèl tradisyonalis yo pa t fè objeksyon pou yo ale lamès katolik chak dimanch.
Agiman nou isit la, se ke Revolisyon ayisyen an pa t yon Revolisyon relijye nètalkole. Relijyon tradisyonèl la, sepandan te fòs dèyè nesans li, devlopman li, ak desizyon estratejik pou avanse premye atak la, ki te mennen nan siksè Revolisyon an. Men, - malgre li te orijin esklavaj nan Atlantik la - krisyanis tou te fè kontribisyon li nan opozisyon li kont Revolisyon franse layik la (ki limenm te kont relijyon).
Men, kote islam te ye la menm? Okenn kote, antanke enstitisyon, eksepte nan eritaj kèk grenn moun oswa gwoup kaptif (esklav) ki pa t pratike l. Paske, jan nou te wè : mizilman ki fè pratik yo te opoze revòlt la ; omwen sila yo ki te nan gwoup etnik Foula yo
.

 

- Ke te gen seremoni ki sanble ak sa nan Mònwouj la, nan tout koloni franse Sendomeng la (e menm nan pati Panyòl la, dapre pi odasye yo). (Fo)
Pa gen okenn dout ke nan tout koloni an, anpil seremoni tradisyonalis te òganize nan dat 14 dawou 1791 la. Dat sila te yon jou konje, dimanch anvan Asonsyon an. Ane anvan yo, menm seremoni sa yo te fèt tou ; e se te sèlman pou rezon espirityèl. Men, reyinyon nan Mònwouj la te inik. Li te dabò politik ak wayalis. Epi, yo te sele l ak yon lapriyè tradisyonalis senkretik ki mache ak yon sakrifis.
Prèv de sa chita nan lefètke se ke sèlman nan Nò Sendomeng revòlt jeneral la te pete. Menm nan Nòdès la, ki toupre, rebelyon an te pran plizyè mwa pou l te kòmanse. Sesi di, kaptif (esklav) nan Sid la t ap bay pwoblèm depi nan mwa fevriye 1791. Men, òganizasyon sibvèsif yo nan Lwès ak nan Sid la pou lane 1971 la, se te travay moun Lib yo (Milat ak Nwa). Yo te Repibliken, ki te bezwen egalite ak Blan yo, men ki pa t dèyè amelyore sò kaptif (esklav) yo. Sepandan, moun Lib yo te fòse kaptif (esklav) yo antre nan bann yo.
Nan Nò a, goumen Repibliken Lib Jean-Baptiste Chavanne ak Vincent Ogé, se te menm bagay ak goumen Repibliken Lib nan Lwès ak nan Sid. Goumen Repibliken Lib sa yo te vini kèk mwa anvan reyinyon wayalis/relijye a nan dimanch 14 dawou 1791 nan Mònwouj
.

Konklizyon

N ap konkli ke li enposib pou mizilman ta fè seremoni Bwa Kayiman an nan mwa dawou 1791. Paske, jan nou te wè, moun islamize nan Sendomeng yo te sèlman fè rit sakrifis yo nan fen mwa ramadan an. Sila yo, tankou Mandeng yo, e petèt Male yo, ki te rele sakrifis chak ane yo a Tabaski, yo te fete ramadan yo dapre kalandriye islamik regilye a. Ramadan yo a te fete nan mwa me pou lane 1791 la. Epi, sila yo, tankou Foula yo, ki rele fèt sakrifis yo Aïd el-kebir, yo te fè sèvis sakrifis yo pandan Ekinòks prentan an, oswa Ekinòks mwa mas la. Kidonk, nan mwa mas, chak ane. E se sa yo te fè nan lane 1791. Epitou, jèn ramadan yo a, yo plase l 30 jou anvan dat fèt sakrifis yo, ki se pandan Ekinòks mwa mas la.
Gen kèk endividi ki pral imajine ke etid long sila te vize demoli lafwa islamik la. Yo pral tronpe yo nèt. Paske yo inyore pase mwen, ak kontèks etid sa a.
Yo pa konnen ke nan lekòl segondè, anvan ke sa te "politikman kòrèk", mwen te - nan konesans mwen - sèl moun ki te ouvètman e regilyèman defann kondisip mizilman mwen (ki te tout ras) kont atak anti islam ke yo t ap sibi.
Ni yo pa konnen - e sa se pa yon kliche - zanmitay solid mwen, depi nan adolesans rive nan laj granmoun, ak mizilman ki soti nan plizyè kalite orijin ; san pa janm gen okenn konfli ant nou.
Yo ta dwe omwen konnen, nan etap nou rive la a, ke islam, nan deba sila, se te yon enstriman ke lènmi Revolisyon ayisyen an te itilize. Lènmi sa yo, pifò pa pratike islam. E yo inyore tout bagay sou relijyon islamik la. Epi nou te chwazi mete yo nan wòl yo, kèlkeswa relijyon yo te itilize kont eritaj ayisyen an.
Etid sila, nou te blije fè l, pa pou nou te fè eksklizyon relijye, men akozde desans nou ak responsablite espirityèl, entelektyèl ak istorik nou. Depi nan mwa oktòb 2002, yon kretyen chite te plake revizyon islamik la nan figi mwen. Mwen pa t reyaji, paske m te kwè ke Ayisyen yo t ap rejte fòmilasyon revizyonis "Bwa Kay Iman" an ki pa mache ak Kreyòl moun nan Nò, kote Revolisyon ayisyen an te kòmanse.
Se jis nan lane 2015, devan kokennchenn blayi revizyon islamik la, ke mwen te blije aji, aprè mwen te rann mwen kont de nivo delala pèp ayisyen an, ke m pa t ka sispèk. Paske, fòmilasyon "Bwa Kay Iman" an te soti nan kalbas tèt yon moun nan Nò Ayiti, ki yon Houngan (lidè tradisyonalis) anplis. Mouche sila, an 1996, te envante fraz "Bwa Kay Iman" an, malgre l te konnen ke li pa t kòrèk nan nivo gramè Kreyòl nan Nò a. Tchoul etranje ak konplekse sila, li ki anvan te panse diferan, te adòpte revizyon islamik la sèlman apre yon revizyonis franse jwif, te entèvyouwe l epi enfliyanse l nan lane 1990-1991.
Kidonk, premye pwomotè tèz islamik la, pifò pa t menm mizilman (kit yo etranje, kit yo Ayisyen) :
1) Revizyonis islamik etranje yo, lè yo te anbake nan avanti predatè sila, yo te souzèstime longè memwa istorik pèp ayisyen an, ansanm ak detèminasyon kèk eritye pou pwoteje eritaj yo.
2) Revizyonis islamik Ayisyen yo, bò kote yo, yo ki pa gen bouke e ki pa mande rete nan misyon yo, prezans yo montre ke si Ayiti pòv ekonomikman, li sepandan rich ak moun ti figi, ak alyene e ak trèt.
Definitivman, pou 2 jan revizyonis sa yo, - e n ap parafraze Papa nanchon Ayisyen an, Anperè Jak 1ye, yo rele Janjak Desalin - nou ta "fè lagè pou zòt… Nwa yo, ki gen papa yo [espirityèlman] nan Lafrik, kidonk yo pap jwenn anyen." Pa menm Revolisyon ayisyen an ki lakòz yon tyè nan popilasyon yo peri.


Bilolo



* Nan tan koloni an, yo te rele mizilman yo "Mawometan". Men mo sila disparèt nèt nan memwa pèp ayisyen an. Nan Kreyòl ayisyen an, yo jis itilize "mizilman" ki soti nan mo "musulman" nan lang franse modèn an. Sepandan, nan yon atik nan lane 2009 ki gen tit "Douz (12) prensip Bwa Kayiman", Pierre Michel Chéry te deklare ke nan Nòdwès peyi Dayiti, moun Mawouj abitye lonmen non "Mawometan" nan yon lejann lokal :
"Moun Lavale Jakmèl konn istwa Bònsante, moun Mawouj Nòdwès konn istwa Mawometan..." (148)
Lejann "Bònsante" a kòm lespri pwotektè Lavale Jakmèl, moun nan lokalite a temwànye de sa. (149) Men, e pou "Mawometan" nan Mawouj? Premyeman, nou dwe mande, de ki Mawouj Pierre Michel Chéry t ap pale? Paske, 2 lokalite gen non Mawouj, nan nòdwès peyi Dayiti (150) :
  • Mawouj, 2yèm seksyon kominal Ildelatòti ;
  • Mawouj, 2yèm seksyon kominal Mòlsennikola.
Tout lojik sijere ke se Mawouj, dezyèm komin Mòlsennikola. Kote sila rete popilè, pa poutèt yon sèten "Mawometan", men kòm kote lejandè Docima (Dosima) te rete. Docima, ke yo te bay tinon afektye D.D., se te yon Houngan (oswa gwo ofisyan tradisyonalis) vedèt. Li sanble te konseye mistik prezidan Sténio Vincent (1930-1941) (151) :
"De oungan ki pi popilè yo te "Antwàn nan Gomye" nan Sid la, ak D. D. nan Mawouj, toupre Janrabèl.
Vodouyizan Nòdwès yo pale de D. D. ak respè.
Yo rapòte ke D. D. te refize mete syans li nan sèvis moun ki malveyan, menm pi pwisan yo; epi li te trete moun ki malere ak nan bezwen yo gratis.
Patriyach aktyèl Vodou a ta dwe CHAM LEGBA." (Trad.)
(152)
Daprè Daniel Louisius, yon Houngan lokal, moun Mawouj yo sèvi Lafrik, ke yo rele tou Lwa, Ginen, Jeni, Mistè. (153) E sèvis tradisyonèl relijye yo se Kongo sèlman li ye. Sa vle di, moun Mawouj, dezyèm komin Mòlsennikola a, yo pa pratike yon rit mizilman ; pa menm yon rit senkretik oswa melanje.
Sètènman, "Mawometan", tankou yon adjektif, oswa menm tankou yon prenon, sa ta konstitye bout nan yon prèv, omwen de yon ansyen kontak islamik nan rejyon sa a. Sepandan, atik la ke Pierre Michel Chéry te enprovize, - dapre sa otè a te admèt - li pa bay referans.
Lè nou te kontakte Pierre Michel Chéry, pou mande l referans, otè a, ki gen bon entansyon, te konseye nou konsilte revi franse Conjonction, soti nan lane 1985, rive nan 1990. Malerezman, menm yon lekti serye de koleksyon Conjonction (soti nan 1946, jouk jounen jodiya), pa t pèmèt nou jwenn anyen sou mo "Mawometan" an
.

** Wè atik nou
: "Makandal pa t mizilman".

*** Pa gen okenn dout ke pa "solstis prentan" Descourtilz te refere ak Ekinòks prentan an. Paske pou lane 1791 a, dat seremoni Bwa Kayiman ak kòmansman Revolisyon Ayisyen an, premye jou nan sezon prentan an (20 mas), yo te rele l "Ekinòks mwa mas" oswa "Ekinòks prentan". Wè : Académie Royale des sciences. De l'influence de l'Équinoxe du printemps et du solstice d'été, sur la déclinaison et les variations de l'aiguille aimantée. Paris, 1791. p.46.
**** Refleksyon metansikoz ki sanble ak kina vwazen imedya nou nan Sent Filomèn (katye nan antre sid Okap). Lè yon moun frape chen li, li konn rele sou abizè a : si yo te konn bat li konsa, lè l (abizè a) te chen (nan yon lòt lavi)? Metansikoz sila, li ranvèse, konpare ak avètisman de yon pinisyon nan lavni ke Descourtilz te resevwa. Malgre sa, gen anpil chans ke toulede refleksyon sa yo soti nan mantalite tradisyonèl Kongo.
***** Nou rayi pale de kesyon koulè po ke nou konsidere toujou rediktif ak reyaksyonè. Paske, nan opinyon nou, sèvo reyaksyonè a se yon sèvo malad, delala, ki egziste sèlman pou fè zòt wè. Men, pwiske mond la jan l ye a... Nou pral di : Se dwòl ke sila yo ke liv sakre yo asosye eleman Cham an ak ras Nwa, se yo menm ki refize lide ke ka gen Nwa ki soti nan Km, Kam, Kamit oswa Kemit, sètadi peyi Lejip ansyen. Konmsi, yo ka lage swadizan mepri Cham an sou do moun Nwa, men yo pap asosye moun Nwa ak mèvèy peyi Lejip ansyen (yo te rele Kamit oswa Kemit).
+ Depi endepandans Ayiti (1804), afranchi yo (kidonk ansyen kaptif (esklav) yo) te pote prenon zansèt patènèl yo kòm non fanmi yo. Konsa, yo te ranplase non kolon yo oswa non bitasyon kote yo te kaptif (esklav) yo. Rezon ki fè anjeneral non fanmi Ayisyen, se prenon gason. Sof si te gen metisaj, ki ansyen oswa nouvo

++ Papa Jeneral Annibal Béliard, ki se Chevalye/Kolonèl Joseph de Béliard (pitit Wa Anri 1ye alyas Anri Kristòf), ansanm ak Jeneral César Dessalines (pitit Anperè Jak 1ye alyas Janjak Desalin), te jwenn lanmò nan Wannament le 12 janvye 1856. Anperè Fosten 1ye alyas Faustin Soulouque te egzekite yo, paske l te sispèk yo akoz de san zansèt yo. (154)
Apre egzekisyon yo, ki te gen arevwa ak 2yèm Kanpay militè nan Lès la (kont Repiblik Dominikèn), Soulouque te joure 2 sèl militè sa yo li te blame, nan pwoklamasyon enperyal li sa :

"Yo pa t konprann anyen, desandan endiy sa yo de fondatè endepandans nou an, ke lè yo te repidye eritaj papa nou yo, yo te lage bay etranje tè peyi a ki tyèd toujou ak san zansèt yo!" (Trad.) (155)
Epitou, Jeneral Annibal Béliard te kouzen nan alyans maryaj ak Célestina "Sese" Pierrot, pitit pitit Cécile Fatiman. Paske kouzen jèrmen Annibal Béliard te Jeneral/Prezidan Pierre Nord Alexis, ki mari Célestina Pierrot. E Pierre Nord Alexis limenm tou te pitit pitit natirèl Anri 1ye. Epi, jan nou konnen l an, Rèn Marie-Louise Coidavid, madanm Anri 1ye, te tisè Cécile Fatiman, e gran tant Célestina Pierrot alyas Sese.
Menm jan an tou, plizyè chante tradisyonèl mansyone Sese. Chante sila sanble pale de yon zak trayizon Sese te sibi nan men Sylvain Salnave (zansèt patènèl mwen)
:

Sese, adje Sese, Palmannan gade sa yo fè mwen.
Pwason ki genyen dlo lakonfyans dòmi lakay li...
 
Chante sila gen anpil chans pou yo te konpoze l nan lane toupre dat Célestina te pran prizon sou Prezidan Sylvain Salnave, ki te ansyen alye Sese ak mari li Jeneral Pierre Nord Alexis. Jeneral Alexis te pran zam kont Sylvain Salnave ki te deja ekzile l nan Jamayik. E apre 5 mwa prizon, Sese te sove, e limenm tou te pran ekzil. (156)
Granpapa Sylvain Salnave, Séraphin Salnave, ki te ansyen manm Komite kont-revolisyon nan Okap la, epi sekretè ak konpè Tousen Louvèti, yo te pann li nan dat 5 fevriye 1802 - dat ke twoup Leclerc yo te ateri nan Okap. E se Jeneral Anri Kristòf ki te pann Séraphin Salnave. (157) Anri Kristòf te bòfrè Cécile Fatiman, epi gran tonton Célestina "Sese" Pierrot, nan alyans maryaj.
Kidonk, Cécile Attiman Coidavid alyas Cécile Fatiman, menm jan ak fanmi li, fè pati nan istwa vivan Ayiti. Yo se moun reyèl ke lavi yo te kite tras solid. Yo pa t pèsonaj envante pou nenpòt demagòg ka vin defòme istwa yo, san grate tèt, nan fè sanblan ke y ap onore ewo ak ewoyin sa yo
.
+++ Otè revizyonis, wè :
Gérard Barthélémy. "Propos sur le Caïman : Incertitudes et hypothèses nouvelles". In : Chemins Critiques, Vol.2, No.3. Port-au-Prince, Mai 1992. pp.33-58.
Léon-François Hoffman. "Un mythe national : la cérémonie du Bois-Caïman". In : La République haïtienne : État des lieux et perspectives. Paris, 1993. pp.434-448.
Charlie Najman. Haïti, Dieu seul me voit: récit. Paris, 1995. pp.157-160.
LeGrace Benson. "How Houngans Use the Light from Distant Stars". In : Journal of Haitian Studies, Vol7, No.1, 2001. pp.106-135. ; In : Vodou in Haitian Life and Culture~Invisible Powers, 2006. pp.155-179.
Ulrick Fleischmann, Alex-Louise Tessoneau. "African Fundamentalism in the New World : The Case of the Haitian Mandingo." In : A Pepper-Pot Of Cultures: Aspects Of Creolization In The Caribbean. Amsterdam, New York, 2003. pp.137-150.
Jean Rénald Clérismé. "Captifs islamisés et leur héritage". In : Genèse de l'État haïtien (1804-1859). Paris, 2009. pp.203-206.

++++ Wòch sedimantè yo, ki rele pyè loray, ki dekore lotèl tradisyonalis ayisyen yo, jwenn siyifikasyon yo nan tradisyon Banmbara-Mandeng yo. Yo lye ak Faro, epi ak san premye Kabrit la ki te koule pou pèmèt lavi reviv :

"Pratik sakrifis Banmbara yo òganize nan alantou Faro ak zansèt yo. Gason yo pa bouke bay pyebwa Penmba a san yo, an echanj pou imòtalite. Men, chouk bwa yo rele penmbele yo reprezante li nan chak fanmi; objè yo venere sa yo te resevwa fòs vital (nyama) defen yo k ap tann nouvo nesans. Plas yo fè sakrifis yo te miltipliye ak divèsifye. Yo te simaye san bèt domestik yo la, pou kenbe lavi moun ki te vin mòtèl yo. San prensip espirityèl li yo ki vide, viktim an bay lotèl la "manje". Wòch ki taye gòch yo soti tout  nan yon wòch mitik ki asosye ak plas la kote Faro te fè premye jimèl yo. Objè boli yo, ki se "yon melanj bagay ki reprezante pati nan linivè a", soti nan "globil" [san] ke Faro te lage nan lespas pandan l t ap desann sou latè. Pa relè san ki koule sou tout kalite lotèl sa yo, yon chèn enèji tabli ant sakrifikatè a ak pwisans k ap frape a.
(...)
Kesyon an vin pi konplike si nou egzamine yon lòt vèsyon nan lejann Youssouf Cissé (1980) te rakonte a. Yon dye siprèm nan syèl te kanpe kont Penmba ak Mousokoroni. Premye koup sila ki te 2 marasa sou latè te mete Bondye ankòlè, lè gason an kwaze ak yon bourik, e jimèl li ak yon chen. (Zafè sila reflete eta konfizyon lanati ak èt imen, ke premye vèsyon an eksprime tou, men yon lòt fason, nan fè konnen ke pyebwa a te ini l ak fanm pou akouche nan dezòd tout kalite espès bèt ak plant.) Pou mete bout nan tach sal sou tè a ke "animalite" Penmba ak Mousokoroni te lakòz, Bondye te fè sakrifis yon bèt. Li te kreye nan syèl la yon kabrit ak pwal blan. Pwent pat li, sepandan, te nwa, tankou kou l ak tèt li; men fwon li te make ak yon zetwal blan. Bondye te touye premye kabrit la ak zèklè ki te sèvi l kouto, epi li te dekoupe l, san li pa kòche li. San bèt la te pirifye linivè, te "lave" l literalman; li debarase l de move odè ke perversyon seksyèl te lakòz. Yo te jete kakas la tèt anba nan lespas, pat yo te pwente nan kat pwen kadino yo." (Trad.) (158)
Revizyonis Tayino yo bay "wòch loray" yo yon orijin Amerendyen. Vreman vre, pandan travay agrè, kaptif (esklav) Sendomeng yo te ranmase plen kote wòch Amerendyen te taye. Epi yo mete wòch sa yo sou lotèl yo. Men, sa pa vle di pou sa ke kaptif (esklav) sa yo te rankontre Amerendyen yo. Sitou lè w konnen ke yo te ekstèminen Amerendyen yo plis pase 150 lane anvan debake fòse kaptif (esklav) yo sou zile a
+++++ Mo Sokoto te la anvan islam, pwiske Anpir Sokoto a te fonde 1 mwa apre endepandans Ayiti. E poutan, nou jwenn Sokoto Sofigbadè kòm non yon Lwa/Jany oswa Divinite nan relijyon tradisyonèl ayisyen. Èske se yon eritaj Foula oswa Awousa? Sa rete pou nou detèminen.
  

Referanss
(1) Dapre estimasyon kantite total kaptif (esklav) yo te mennen nan koloni yo (1501-1866) ; http://slavevoyages.org/assessment/estimates.
(2-3) M.L.E. Moreau de Saint-Méry. Description topographique, physique, civile, politique et historique de la partie française de l'isle Saint-Domingue. tome 1. Philadelphie, 1797. p.28.
(4) Ibid. p.33.
(5-6) Dominique Harcourt Lamiral. L'Affrique et le peuple affriquain considérés sous tous leurs rapports avec notre Commerce & nos Colonies, Paris 1789. pp.231-232 ; 98-100.
(7) Prof. Iba Der Thiam. Sitasyon Boubacar Boris Diop : "Faidherbe ou la fascination du bourreau". SenePlus : éditorial du 28 juillet 2020. [anliy] URL : https://www.seneplus.com/opinions/faidherbe-ou-la-fascination-du-bourreau
(8) S.J. Ducoeurjoly. Manuel des habitans de Saint-Domingue… Tome 2. Paris, 1802. p.306.
(9) Pierre Anglade. Inventaire étymologique de termes créoles des Caraïbes d'origine africaines. Paris, 1998. p.78.
(10) Aurélie Troy. "Les pagnes des circoncis : séparation et émotions dans les rites d'initiation seereer (Hireena, Sénégal)". In : Systèmes de pensée en Afrique Noire. 18/2008. (p.63). [anliy] Poste nan dat 5 jen 2003.
(11) Les Affiches Américaines du mardi 18 mai 1779. Parution no.20. p.0.
(12) Les Affiches Américaines du samedi 3 janvier 1789. Parution no.1. p.717.
(13) Sammuel Adjai Crowther. Vocabulary of the Yoruba Language : Part I. English and Yoruba. Part II. Yoruba - English. London, 1852. p.84.
(14) João José Reis. Slave Rebellion in Brazil: The Muslim Uprising of 1835 in Bahia. (Transl. Arthur Brakel). Baltimore, 1993. p.120. ; João José Reis, Flávio dos Santos Gomes, Marcus J. M. de Carvalho. The Story of Rufino Slavery, Freedom, and Islam in the Black Atlantic. (Transl. H. Sabrina Gledhill). New York, 2020. p.230.
(15) João José Reis. Slave Rebellion in Brazil. Op. Cit. p.108.
(16) https://aladhan.com/islamic-holidays/1835
(17) https://aladhan.com/islamic-holidays/1791
(18) Sammuel Adjai Crowther. Op. Cit. p.31.
(19) Pierre Anglade. Op. Cit. p.47.
(20) Jean Targète, Raphael Urciolo. Haitian Creole English Dictionary. Kensington, 1993. p.6.
(21) João José Reis. Slave Rebellion in Brazil: The Muslim Uprising of 1835 in Bahia. (Transl. Arthur Brakel). Baltimore, 1993. p.48.
(22) Les Affiches Américaines du samedi 24 avril 1784. Parution no.17. p.270.
(23) James Frederick Schön. Dictionary of the Hausa Language. London, 1876. p.154.
(24) Jean Targète, Raphael Urciolo. Op. Cit. p.15.
(25-27) Michel Etienne Descourtilz. Voyages d'un naturaliste, et ses observations…, Volume 3. Paris, 1809. pp.164, 165, 171.
(28-30) Ibid. pp.212, 178, 161.
(31) M. E. Descourtilz. Voyages..., Vol.1. Paris, 1809. pp.lv- lvj.
(32) M. E. Descourtilz. Voyages…, Vol.3. Op. Cit. p.166.
(33) M. E. Descourtilz. Voyages..., Vol.1, Op. Cit. pp.lv- lvj.
(34-36) M. E. Descourtilz. Voyages…, Vol.3. Op. Cit. pp.164, 165, 171-172.
(37) Ibid. pp-178-179.
(38) Gaspard-Théodore Mollien. Voyage dans l'intérieur de l'Afrique, aux sources de Sénégal et de la Gambie, fait en 1818. Tome 1. Paris, 1820. p.293.
(39-41) Ibid. pp.165-166, 167-169, 169.
(42-44) Ibid. pp.169-170, 171, 170.
(45) Jean-Baptiste-Léonard Durand. Voyage au Sénégal ou Mémoires historiques. Paris, 1802. p.324.
(46) Gaspard-Théodore Mollien. Op. Cit. pp.284-285.
(47) Pierre-François-Xavier de Charlevoix. Histoire de l'Isle espagnole ou de S. Domingue. Tome 4. Paris, 1733. p.362.
(48) M. E. Descourtilz. Voyages..., Vol.1, Op. Cit. p.lvij
(49) M. E. Descourtilz. Voyages…, Vol.3. Op. Cit. p.176.
(50) Les Affiches Américaines du samedi 23 août 1777. Parution No.34. p.405.
(51) François de Medeiros. "Les peuples du Soudan : mouvements de populations". In : Histoire générale de l'Afrique - Volume III - L'Afrique du VIIe au XIe siècle. Paris, 1990. pp.143-165. (152)
(52) Jean Targète, Raphael Urciolo. Op. Cit. p.14.
(53) R. P. (Carl) Peters. "Société Mandingue". In : L'ethnographie, 1960. pp.47-49. (p.47) ; Revue de la Faculté d'Ethnologie. No.10, 1965. pp.47-50.
(54) Gerson Alexis. "Aperçu sur les Mandingues haïtiens". In : Lecture en anthropologie haïtienne. Port-au-Prince, 1970. p.175.
(55) Semy Info. "Épisode Nº10 - Daniel Louisius, sur le mystique Haitien". [anliy] Poste nan dat 2 dawou 2019 ; URL : https://www.youtube.com/watch?v=sLiyXfd13aU ; TL : 14:03 -14:30
(56) Gerson Alexis. Op. Cit. p.176.
(57) Lexique Bambara (Malinké) [anliy] URL : http://www.bambara.org/lexique/lexicon/main.htm


(58) Les Affiches Américaines du mercredi 2 août 1769. Parution No.351. p.259.
(59) Supplément aux Affiches Américaines du samedi 3 janvier 1778. Parution No.53. p.634.
(60) Gazette de Saint-Domingue, Politique, Civile, Économique et Littéraire, et Affiches Américaines du samedi 8 janvier 1791. Parution No.3. p.34.
(61) Les Affiches Américaines du samedi 4 janvier 1777. Parution No.1. p.9.
(62) Les Affiches Américaines du mercredi 13 juillet 1785. Parution No.28. p.308.
(63) Les Affiches Américaines du jeudi 24 mai 1787. Parution No.41. p.279.
(64) Les Affiches Américaines du samedi 21 juillet 1787. Parution No.29. p.860.
(65) Les Affiches Américaines du mercredi 27 mai 1789. Parution No.31. p.881.
(66) Les Affiches Américaines du jeudi 27 mars 1788. parution no.25 p.158.
(67-69) R.P. Carl Peters. Op. Cit. pp.47-50.
(70) :"La Shahada (ou Chahada) la profession de foi islamique". [anliy] URL : http://fr.assabile.com/a/la-shahada-chahada-la-profession-de-foi-islamique-29 ; vizite nan jounen 28 septanm 2016.
(71) Cheikh Ibn Bâz. Fatâwa. Volume 1 : le dogme islamique. p.33.
(72) R.P. Carl Peters. Op. Cit.
(73) Gerson Alexis. Op. Cit. p.179.
(74) R.P. Carl Peters. Op. Cit.
(75-76) Gerson Alexis. Op. Cit. p.176.
(77-79) Jean Rénald Clérismé. "Captifs islamisés et leur héritage". In : Genèse de l'État haïtien (1804-1859). Paris, 2009. pp.203-206. (p.204)
(80) Gerson Alexis. Op. Cit. p.176.
(81-83) Rachel Beauvoir-Dominique (avec la collaboration d'Eddy Lubin). Investigations autour du site historique du Bois Caïman. Montréal, 2019. p.94.
(84-85) Gerson Alexis. Op. Cit. pp.177-178, 183-184.
(86) Rachel Beauvoir-Dominique. Op. Cit. p.76.
(87) Ulrick Fleischmann, Alex-Louise Tessoneau. "African Fundamentalism in the New World : The Case of the Haitian Mandingo." In : A Pepper-Pot Of Cultures: Aspects Of Creolization In The Caribbean. Amsterdam, New York, 2003. pp.137-150. (p.143)
(88) Louis Tauxier. Le noir du Yatenga : Mossis, Nioniossés, Samos, Yarsés, Silmi-Mossis, Peuls. Paris, 1917. pp.607-608.
(89) Youssouf Cissé. "Le sacrifice chez les Bambara et les Malinké". In : Systèmes de pensée en Afrique noire. Mai, 1981.pp.23-60. (pp.58-59) [anliy] URL : http://span.revues.org/494 ; DOI : 10.4000/ span.494 ; poste nan dat 4 jen 2013 ; vizite nan jounen 4 jiyè 2013..
(90-91) Jean Rénald Clérismé. Op. Cit.
(92) R.P. Carl Peters. Op. Cit.
(93) Germaine Dieterlen. "Réflexions sur la parole, le sacrifice et la mort dans quatre populations de l’Afrique de l’Ouest". In : Systèmes de pensée en Afrique noire [anliy], 5 | 1981. p.63.
(94) Luc de Heusch. Le sacrifice dans les religions africaines. Paris, 1986. p.256.
(95) Youssouf Tata Cissé, Wa Kamissoko. Soundjata, la gloire du Mali. La Grande Geste du Mali, tome 2, Paris, ‎2009. p.78.
(96) Jean Rénald Clérismé. Op. Cit.
(97) R.P. Carl Peters. Op. Cit.
(98) Edward E. Curtis IV. The Call of Bilal : Islam in the African Diaspora. Chapel Hill, 2014. pp.62-63.
(99) Djibril Tamsir Niane. Histoire des Mandingues de l'Ouest : le royaume du Gabou. Paris, 1989. pp.38-39.
(100-101) Gerson Alexis. Op. Cit. pp.180-181, 185.
(102) Jean Rénald Clérismé. Op. Cit.
(103) Ulrick Fleischmann, Alex-Louise Tessoneau. Op. Cit. pp.146-147.
(104) R. P. Carl Peters. Op. Cit.
(105) Viviana Pâques. Les Bambara. Paris, 1954. p.94.
(106) "Orders regarding burial of dead body" [anliy] URL : https://www.al-islam.org/islamic-laws-ayatullah-abul-qasim-al-khui/orders-regarding-burial-dead-body
(107) Capitaine E. Peroz. Dictionnaire Français-Mandingue. Paris, 1891. p.107.
(108) Bi Kacou Parfait Diandué. Topolectes 2, Volume 2. Paris, 2013. p.88.
(109) Gerson Alexis. Op. Cit. p.181.
(110) Rachel Beauvoir-Dominique. Op. Cit. pp.94-95.
(111) Capitaine Brosselard-Faidherbe. Promenade en Casamane. In : Journal des voyages et des aventures de terre et de mer. Tome 32. Janvier 1893. pp.11-12. (p.11)
(112) Capitaine E. Peroz. Op. Cit. p.120.
(113) Dieterlen Germaine. Mythe et organisation sociale au Soudan français. In: Journal de la Société des Africanistes. 1955, tome 25. pp.39-76. (pp.46, 64)
(114) R.P. Carl Peters. Op. Cit. pp.47-50. (p.49)
(115) Youssouf Tata Cissé, Wâ Kamissoko. Soundjata la gloire du mali: La grande geste du Mali, Tome 2. Paris, 2009 (2e édit.) pp.37-38.
‬(116) Djibril Tamsir Niane. Histoire des Mandingues de l'Ouest : le royaume du Gabou. Paris, 1989. pp.69-70.
(117) Jean Rénald Clérismé. Op. Cit.
(118) H. Feuilleret. Mungo Park : sa vie et ses voyages. Paris, 1880. p.184.
(119) Capitaine Brosselard-Faidherbe. Op. Cit. p.12.
(120) René Geoffroy de Villeneuve. L'Afrique, ou Histoire, moeurs, usages et coutumes des africains: ‪le Sénégal ; orné de quarante - quatre planches, exéculies la plupart d'apris les dessins originaux inédits, faits sur les liaux‬. Volume 4. Paris, 1814. pp.86-87. 
(121) Dr. Mamadou Fanta Simaga (Pharmacien, Ségou). In : "Cahier d'hier : Bambougou N'Dji, le prince au grand cœur." Office de Radio Télévision du Mali, 2012. ; anliy] URL : https://www.youtube.com/watch?v=4oQ7fgXVMcM ; Timeline : 41:07 - 42:07.
(122) Bryant C. Freeman, Jowel C. Laguerre. Haitian - English Dictionary [anliy] 1996. p.388.
(123) M.L.E. Moreau de Saint-Méry. Description... tome 1. Op. Cit. pp.27-28.
(124-125) Jean Fouchard. Les marrons de la liberté. Port-au-Prince, 1988. p.113.
(126) Gérard aîné à Laborde. Au fond, le 5 juillet 1780, My 463-10. In : Foubert Bernard. Le marronage sur les habitations Laborde à Saint-Domingue dans la seconde moitié du XVIIIe siècle. In: Annales de Bretagne et des pays de l'Ouest. Tome 95, numéro 3, 1988. pp. 277-310.
(127) S.J. Ducoeurjoly. Manuel des habitans de Saint-Domingue… Tome 1. Paris, 1802. p.25.
(128) Les Affiches Américaines du samedi 5 septembre 1789. Parution no.60. p.1001.
(129) James Stuart Olson. The Peoples of Africa : An Ethnohistorical Dictionary. Greenwood Publishing Group, 1996.pp.533-534.
(130) Maureen Warner-Lewis. 'African Heritage in the Caribbean". [anliy] URL : http://www.trinisoca.com/features/130307.html ; poste nan dat 13 mas 2007 ; Toyin Falola, Matt D. Childs. (Ed.) The Yoruba disporia int he Atlantic World. Bloomington, 2004. pp.89-90, 379-380, 382.
(131) Jean Targète, Raphael Urciolo. Haitian Creole English Dictionary. Kensington, 1993. p.184.
(132) Société des géographie commerciale de Bordeau. Bordeau, 1890. p.12.
(133) Claude Rivière. Mutations sociales en Guinée. Paris, 1971. pp.32-33, 84.
(134) Frederic Gomes Cassidy, Robert Brock Le Page (ed.). Dictionary of Jamaican English. (2nd edition). Kingston, 2002. p.430.
(135) Camara Mamdou. Parlons Malinké. Paris, 1999. p.15.
(136) Paroles d'Oumar Koné (Griot à N'goy, Ségou). Dans le documentaire "Cahier d'hier : Bambougou N'Dji, le prince au grand cœur". (ORTM) Office de Radio Télévision du Mali. [anliy] URL : https://www.youtube.com/watch?v=4oQ7fgXVMcM ; Timeline : 03:54-04:23 ; 05:11-05:33.
(137) Rachel Beauvoir-Dominique. Op. Cit. p.93.
(138) Dictionnaire Littré. [anliy] URL : https://www.littre.org/definition/manant
(139) Camara Mamdou. Op. Cit. p.144.
(140) André F. Chevallier. "Président Légitime" In : Aya Bombé! Revue mensuelle, No.8. Mai 1947. pp.8-9.
(141) François Denys Légitime. La vérité sur le vaudoux. Port-au-Prince, 1892.
(142) M.L.E. Moreau de Saint-Méry. Description... tome 1. Op. Cit. p.35.
(143) Gérard aîné à Laborde. Op. Cit.
(144) S.J. Ducoeurjoly. Manuel… Tome 1. Op. Cit. p.24.
(145) Jean Kergoz. ‪L'expulsion des Vaudoux‬: ‪rêve prophétique‬. Paris, 1921. p.8. ; Jean Fouchard. Les Marrons de la Liberté. Port-au-Prince, 1988. p.340 ; Guérin Montilus. Dieu en diaspora : Les Loa Haitiens et les Vaudou du Royaume d'Allada (Bénin). Niamey, 1988. p.11 ; David Geggus. "Haitian Voodoo in the Eighteenth Century: Language, Culture, Resistance". In : ‪Anuario de historia del estado, la economía y la sociedad en América Latina‬, Volume 28. ‪Böhlau.‬, 1991. pp.21-51. (pp.39-40).
(146) M.L.E. Moreau de Saint-Méry. Description... tome 1. Op. Cit. p.38.
(147) : FR ANOM COL E 59. "Cairou, Paul, capitaine de grenadiers de milices du Cap-Français, à Saint-Domingue, on demande pour lui un brevet de major d'infanterie, à défaut de la croix de Saint-Louis, à laquelle il ne peut prétendre, étant protestant (1773)".
(148) Pierre Michel Chéry. "12 Prensip Bwa Kayiman", Dawou 2009 ; [anliy] URL : http://www.kreyol.org/lekti/Komantesou12prensip.html ; vizite nan jounen 17 mas 2016.
(149) François Nau. "La Vallée de Jacmel… un conte jamais dit". [anliy] URL : https://www.facebook.com/iLoveLaVallee/posts/323778754405371/ ;
poste nan dat 21 janvye 2013 ; vizite nan jounen 1ye septanm 2019
(150) Prophète Joseph. Dictionnaire Haïtien-Français. Montréal, 2003. p.301.
(151) Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo haïtien. Paris, 1953. pp.73-74.
(152) Mick Bock. "Oungan et bocor : La force du bien et la force du mal". in L'Organe. Sitasyon Arthur Antoine. ‪Par le français, parle créole‬: ‪cours d'apprentissage du créole : une langue néo-romane... 1996. p.75.
(153) Semy Info. "Épisode Nº10 - Daniel Louisius, sur le mystique Haitien". [
anliy] Poste nan dat 2 dawou 2019 ;  URL : https://www.youtube.com/watch?v=sLiyXfd13aU ; TL : 14:03 -14:30
(154) André A. Isidore. "Fragment d'histoire". In : Indépendance : Bi-Hebdomadaire. Port-au-Prince. 1ère année, No.30. Jeudi 27 janvier 1955. pp.1, 4.
(155) Annuaire des deux mondes : histoire générale des divers états. Vol 6. Paris, 1856. pp.879-880.
(156) Matthew J. Smith. Liberty, Fraternity, Exile: Haiti and Jamaica after Emancipation. Chapel Hill, 2014. p.176.
(157) [Joseph P. Riboul]. "Jean-Baptiste Salnave ou "Coco Séraphin"". / "Ascendance des familles Riboul et Salnave. Documents transmis par Ch. Th. et Max U. Duvivieur." In : Revue de la Société Haïtienne d'Histoire et de Géographie, Vol.52, n°195. 1998. pp.43-44.
(158) Luc de Heusch. Le sacrifice dans les religions africaines. Paris, 1986. pp. 255-256.



Jan pou n site atik sa:

Rodney Salnave. "Mizilman Sendomeng yo te souflantchou". 29 okt. 2020 ; Mizajou : 20 des. 2020. [anliy] URL : https://bwakayiman.blogspot.com/2020/10/mizilman-sendomeng-yo-te-souflantchou.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].


Kontak : asaomedia@yahoo.com

Twitter : @BwaKayIlMent


Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020