Donation

Orijin Makandal


Home     





Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 27 novanm 2018
(Mizajou : 28 avril 2019)




Nan jounen 20 septanm an, lane 1758 la te wè nesans Jean-Jacques Dessalines (Janjak Desalin), nonm sila ki te vin Anperè ak liberatè Ayiti. Menm lane 1758 sila te wè tou, 8 mwa pita, lanmò anba boukan dife de François Macandal (Franswa Makandal), Pwofèt pwazonè a. Soti nan lane 1740 rive nan 1757, Makandal ak konplis li yo te teworize ak pwazon pati nò koloni esklavajis Sendomeng la (ki rele Ayiti jodiya). Men, ki moun toutbonvre ki te Makandal sila? Limenm ke non li te yon konbinezon de majik ak anpwazonnman? Ki kote li te soti? Ki sa ki te orijin etnik li? Epi ki enfliyans orijin li te genyen sou zak rebelyon li yo?


1- Makandal, tradisyonalis la

Jounen jodiya, menm jan sa te ye nan tan koloni Sendomeng la, non Makandal la kontinye simaye laperèz de fetich nan memwa lengistik ayisyen :
"Makanda : Lougawou, malveyan." (1)
Men, malgre ke non "Makandal" la oswa "Makanda" gen yon sans majik, epi li te mache ak pratik senkretik (kidonk melanj katolik ak relijyon zantray la), gen kèk ki deklare ke lidè sila te nan lafwa mizilman yo. Yo defann lide ke Makandal te soti swa nan peyi Lagine, Liberya, Syeraleyòn, oswa nan Magrèb ; e ke motivasyon l pou l fè rebèl te soti nan relijyon islamik la. Nan kèk atik anvan, ansanm ak prèv ke yo pa ka nye, nou te demanti tout envansyon tètanba sa yo. Paske prèv yo te montre ke Makandal pa t yon mizilman. Ki jan li ta ka yon mizilman, alòske yo te arete l nan yon dans sosyal, pandan li te konplètman sou, pwiske li te bwè tafya, kidonk alkòl fò, ki se yon entèdiksyon nan islam? 
"Il [Macandal] avait eu l'audace de se rendre sur l'habitation Dufresne, au Limbé, un jour de fête. "M. Duplessis, arpenteur, et M. Trévan, habitant qui étaient sur cette habitation, instruits que Macandal y était caché, firent distribuer du tafia largement, de sorte que les nègres se saoûlèrent et que Macandal lui-même fut bientôt ivre. On alla l'arrêter dans une case à nègres, d'où on le conduisit à la maison principale..." (2)
Tradiksyon :
"Li [Makandal] te gen odas ale nan bitasyon Dufresne an, nan Lenbe, yon jou fèt. " Mesye Duplessis, apantè, epi Mesye Trévan, ki rete sou bitasyon sila, ki te enfòme ke Makandal te kache la, te fè yo distribye tafya nètalkole, pou nèg yo ka vin sou, epi konsa Makandal limenm te sou rapidman. Yo te arete l nan yon joupa nèg yo, de la yo te mennen l nan kay prensipal la..."
Franswa Makandal te, okontrè, yon tradisyonalis ki tvin tounen yon Lwa. E yo kontinye venere l nan relijyon zantray ayisyen an. Moso tèks sila ki date de 1969 temwaye de sa :


"Esprits de la terre : Legba, Loko, Aizan, Avré-Kêté, Ti Houa-Houé, Guédé, Makandal." (3)
Tradiksyon :
"Lespri latè : Legba, Loko, Ayizan, Avrekete, Ti Wawe, Gede, Makandal."
Anplis de sa, Brigitte  (Brijit) anpwazonèz la, ki se madanm Makandal, li te pataje batay li, ansanm ak lanmò li nan boukan dife. E limenm tou vin tounen yon Lwa nan relijyon zantray ayisyen an. Yo venere l sou non Grann Brijit oswa Manman Brijit, Lwa/Jany Lanmò a.

(Vèvè Manman Brijit)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.460.

Epi menm, lalwa ayisyen, pandan 152 lane, te rekonèt Makandal kòm yon tradisyonalis. Soti nan lane 1835 jouk 1987, atik 405, 406, 407 nan Kòd Penal ayisyen an te kondane "Makandal yo", ke yo konsidere se moun k ap fè majik, wanga, vodou, fetich, sipèrstisyon, donpèt, dans, elatriye :


"Art. 4.
"Les articles 405, 406, 407 dudit Code pénal sont et demeurent modifiés comme suit :
Art. 405. Tous faiseurs de ouangas, caprelatas, vaudoux, donpèdre, macandals et autres sortilèges, seront punis de trois à six mois d'emprisonnement et d'une amende de soixante à cent cinquante gourdes par le tribunal de simple police et en cas de récidive, d'un emprisonnement de six mois à deux ans et d'une amende de trois cents à mille gourdes, par le tribunal correctionnel, sans préjudice des peines plus fortes qu'ils encourraient à raison des délits ou crimes par eux commis pour préparer ou accomplir leurs maléfices.
Toutes danses et autres pratiques quelconques qui seront de nature à entretenir dans les populations l'esprit de fétichisme et de superstition, seront considérées comme sortilèges et punies des mêmes peines." (4)
Tradiksyon : 
"Atik 4.
Atik 405, 406, 407 yo nan Kòd Penal la amande epi rete amande nan mannyè sila :
Atik 405. Tout sila yo ki fè wanga, kaprelata, vodou, donmpèt, makandal ak lòt majik, y ap jwenn kondanasyon twa a sis mwa prizon ansanm ak yon amann de swasant a san senkant goud nan men tribinal lapolis lokal la epi nan ka yo ta rekòmanse, sa va sis mwa a de lane prizon ansanm ak yon amann de twa san a mil goud, nan men tribinal kriminèl la, san yo pa tenikont de pinisyon pi grav ke yo ta jwenn akoz de ofans oswa krim yo te komèt nan prepare oswa nan komèt zak malefik yo.
Tout dans ak nenpòt lòt pratik ki gen objektif kenbe popilasyon an nan zafè fetich ak sipèrstisyon ap konsidere tankou malefik epi ap resevwa menm gwosè kondanasyon."
E gen anpil dout ke islam ta va rekonèt tèt li nan konpòtman "sipèrstisye" sa yo ke, kit lalwa ayisyen, kit ansyen lalwa koloni Sendomeng la, te repwoche "Makandal yo". E pwiske nan atik anvan an, nou te demanti tèz islamik sou Makandal la, ansam tèz ki di li te soti nan "Lafrik' de Lwès la, kounyè a nou pral gade ipotèz Makandal Kongo a, ke nou apènn te voye yon lèy rapid sou li anvan.




2-  Ipotèz Makandal Kongo a

Nou oblije retounen sou tèz ki di ke Makandal te soti Kongo a, pwiske li se tèz dominan an, depi deja plizyè deseni. Majorite chèrchè modèrn yo gen opinyon ke Makandal te gen san Kongo. Teritwa Kongo nan tan sa te kouvri kèk peyi nan "Lafrik" Santral ke yo rele jodiya Angola, 2 Kongo yo, ak yon pati nan Gabon. Nannan tèz Kongo a chita sou 2 pwen diferan : 
  1. Etimoloji non Makandal la, ke yo konsidere soti nan Kongo.
  2. Deklarasyon ke Makandal te gen 2 konplis Kongo ki te rele Teysello (Teselo) ak Mayombé (Mayonbe) ; e ke asosyasyon yo ta va prèv ke Makandal tou te soti Kongo.
Ann egzamine 2 pwen sa yo.


2.1 - Etimoloji non Makandal la

Kòm nou konnen, Ayiti pa gen okenn enstitisyon rechèch istorik serye ki kapab jwenn, pwouve, aplike, popilarize epi fè yo respekte verite istorik li yo. Se poutèt sa, fèk parèt la kapab defòme non ewo ayisyen yo, jan l pito, san kè sote. Se sa k fè, fanatik tèz Kongo a (ke nou rele pro-Kongo) te  pran risk defòme non ewo istorik koni tankou Makandal (Macandal, Mackandal oswa Makanda) nan Ma Kanda, Makunda, Mac Ndal, Makandala, Makwanda, Mak(w)onda, Makwonda epi Makenda. Se konsa yo espere etabli orijin Kongo Makandal. Men, èske sa fasil jan yo panse li ye a?
 

2.1.1- Macandal oswa Makandal?

Ansanm pro-Kongo yo baze agiman yo, pa sou temwayaj ki soti nan epòk la, men sou etimoloji (kidonk sous lengistik) mo "Makandal" la. E yo idantifye l an "Makanda" kòm etan yon mo ki soti nan lang Kongo. (5) Sètènman, nan lang Kongo yo, ke yo rele Kikongo, "MaKanda" (fòm pliryèl "Kanda", "Dikanda" oswa "Likanda") se yon mo ki vle di "Fanmi" oswa "Klan" :


"Kanda : (di-kanda) famille, clan ; ma-kanda (makanda) : familles, clans." (6)
Tradiksyon :
"Kanda: (di-kanda) fanmi, klan, ma-kanda (makanda) : fanmi, klan."
Kanda yo, ke yo rele "geração" nan lang Pòtigè, te ansyen klan ki te bay pouvwa wayal nan Kongo. Sepandan, apade yon resanblans fonetik (kidonk nan son), pa gen anyen dirèk nan "Makanda" ki mennen vè Franswa Makandal, majisyen pwazonnè nan Sendomeng la.


2.1.2- Ma Kanda/Makanda

An 1990, istoryen Carolyn E. Fick te eksplore tèz Kongo a. Li te jwenn ke mo "Makanda" la refere a yon vilaj nan Wayòm Loango a (nan peyi yo rele Gabon jodiya). Vreman vre, Makanda se non premye vilaj nan Wayòm Loango. E Wayòm sa toupre Wayòm Iomba kote Wa yo gen tit Ma Iomba oswa Mayomba. (N ap analize sa pi ba)


(Vilaj yo rele Makanda nan Wayòm Loango a)
Sous : Mgr. J. Cuvelier. Documents sur une mission française au Kalongo, 166-1776. Bruxelles, 1953. p.134.

Sepandan, san li pa mete tèz Kongo a akote kategorikman, paske gen chans ke li vre, Carolyn Fick te plede pou pridans, pwiske pa gen prèv serye pou relye Makandal, rebèl Sendomeng la, ak vil nan Loango a ki rele "Makanda" :
"Li prèske enposib pou nou konnen egzakteman nan ki nasyon Makandal te fè pati, pwiske prèske tout kòt lwès Lafrik te vagman idantifye nan tan sa a kòm "Ginen". Men genyen, sepandan yon zonn ki gen non Ma Kanda, oswa Makanda, li se vilaj prensipal Wayòm Loango a, yon pati nan ansyen Kongo.
Malgre li tantan pou n ta eseye konekte orijin Makandal ak kote sila, oswa omwen ak zonn nan vwazinaj la, yon koneksyon konsa toujou rete ipotetik. (...) San prèv solid, tout bagay sila rete ipotetik ; kanmenm yo ka sijere ke, olye de "Ginen", ki anjeneral te refere a pati nan mitan an jiska pati siperyè kòt lwès Lafrik la, Makandal, chèf esklav mesyanik sila, te ka soti nan rejyon Kongo-Angola a." (Trad.) (7)
Men, kòm nou te ka predi li, pwomotè koneksyon ant Kongo ak Makandal yo pa t adopte apwòch pridan Fick la. Èske sa vle di ke yo te twouve nouvo prèv? Ann fè yon gade. 


2.1.3- Makandal, Makunda, Mac Ndal oswa Makandala?

Pou otè Kongolè sila ki reklame Pwofèt anpwazonnè nan Sendomeng la, Franswa Makandal pa t rele Macandal oswa Makandal, men "Mac Ndal", "Makunda", "Makandala", oswa "Ne Makandala". Prefiks "Ne" a (kidonk ki plase devan mo Makandala a) ta dwe yon siy de respè nan kilti Kongolè yo. (8) Otè revizyonis la te dekoupe mo "Makandala" a konsa :
"Ma = fòm pliryèl la.
Kanda = fanmi.
La = limyè, konesans ; "La" vini tankou yon diminitif de  LANGA." (Trad.) (9)
Kidonk, dapre lojik san prèv de revizyonis Kongo sila, non reyèl Makandal ta va "Makandalanga", ki ta vle di "Plizyè Fanmi ki blayi ak limyè", nan lang Kikongo? Agiman sila pa reyalis menm, pou nou pa di ke li ridikil anpil. Pwiske, jan nou fèk wè li, non "Makanda" a, li egziste nan lang nan Kongo a, kote li vle di "Fanmi" oswa "Klan", nan fòm pliryèl la. Sepandan, rete "L" final la, nan "Macandal" oswa "Makandal" ki pa jwenn plas nan teyori a. E se la, otè revizyonis la te fè imajinasyon l ansanm ak konesans li de lang kikongo a travay, pou l te ka jwenn "La", ke li prezante tankou yon swadizan diminitif de "Langa" ki vle di "Limyè". 
Si sa li prezante a se laverite, diminitif "Langa" a, èske li pa ta dwe "Lan", olye de "La"? E lè yon moun konsidere tandans kreye nazalizasyon nan kreyòl ayisyen an, (10) li konprann ke pa gen anpil chans ke mo "Langa" a te ka pwodui diminitif "La" olye de "Lan". Kidonk, nan kreyòl ayisyen, "MakandaLan" ta va yon transfòmasyon ki pi posib pou "MakandaLanga" pase "Makandala" oswa "Ne MakandaLa" ke revizyonis Kongo a te pwopoze. Eksepsyon nan règ la rive, kan nou an afè ak mo Kongo ki kòmanse ak "N". Pa egzanp mo "Nkisi" vin tounen "Kisi" an Ayiti. " Ma Nzanza" (non yon Nkisi oswa "fetich"), vin tounen "Mazanza", sa ki vle di "majisyen", "sòsyè", "bay move chans", elatriye, nan kreyòl ayisyen an. Konsa tou, "Ndoki" vin tounen "Doki", "Ngudi" tounen "Gidi", elatriye.


2.1.4- Makwanda?

Nan liv "Survivances africaines dans le vocabulaire religieux d'Haïti", ki te pibliye nan lane 1955, otè Suzanne ak Jean Comhaire-Sylvain te fè konnen ke non "Macandal" oswa "Macanda" a te yon defòmasyon de "Makwanda", ke yo panse vle di "grigri" oswa "cham", kidonk yon pwoteksyon majik nan lang Kongo. (11) Men analiz nou demontre ke "Makwanda" pa vle di "grigri" oswa "cham" nan lang Kikongo, jan koup Comhaire-Sylvain an te sigjere l.
Nan kilti Kongo, "Makwanda" refere a yon dans miks, kidonk yon dans ke fi ak gason danse ansanm. Nan fen 18yèm syèk rive nan k
òmansman 19yèm syèk kretyen an, misyonè Fra Luca da Caltanisetta te konsidere "Makwanda" tankou you dans devègonde, akozke fi ak gason danse l ansanm :


(...)
"Une autre danse, déshonnête celle-ci, s'appelle makwanda ; elle est tellement obscène que je suis porté à croire que c'est le diable en personne qui l'a inventée; cette danse s'exécute par les hommes et les femmes ensemble...
(...)
Ils exécutent une danse solennelle, car ils les frappent tout en dansant; ces danses-là que, dans leur langue, ils appellent makwanda sont immorales." (12)
Tradiksyon :
"Yon lòt dans, malonèt sila, yo rele l makwanda, li si tèlman devègonde ke li fè m kwè ke se dyab la anpèsonn ki te envante l, dans sila, gason ak fi danse l ansanm...
(...) 
Yo danse yon dans solanèl, e yo frape yo pandan y ap danse; dans sa yo ke, nan lang yo, yo rele makwanda, yo imoral."
Epi kanta pou pwoteksyon majik yo, ki popilè anpil nan espirityalite Kongo a, yo rele yo "Nkisi" (Munkisi oswa Minkisi nan fòm pliryèl la), Mpungu, Kiteke, elatriye. Men yo pa rele yo "Makwanda". (13)


2.1.5- Ma(k)wonda oswa Makonda?

An 1992, istoryen David Geggus te kontredi ekriti kolonyal yo, lè li te anonse ke Franswa Makandal te jwenn non l nan pakèt majik yo oswa nan pwoteksyon majik yo ke li te konn fè yo, pito ke se ta va lenvès, kidonk ke pakèt majik yo ta va pote non li. Geggus te site tèks Comhaire-Sylvain a, men li te fè yon ti koreksyon ladan l. Olye de "Makwanda", Geggus sijere "Mak(w)onda" kòm mo ki ta vle di "pwoteksyon majik", kidonk "grigri" oswa "cham" nan lang Kongo a. (14) Anpil piblikasyon entelektyèl te repete deklarasyon Geggus la, san yo pa t verifye li. Yo pran simaye lide ke mo "Makwonda" a vle di "grigri" oswa "cham" nan lang Kikongo. Anreyalite, piblikasyon sa yo te mal konpwann fòmil Geggus la ki pa mete "w" nan "Mak(w)onda" a nan parantèz pou anyen. "W" nan parantèz la te eksprime ke yo te di "Makonda" pou "cham" nan lang Kongo. Tèks pwofesè Kongolè sila ki rele Lutete Esaya, ke Wyatt MacGaffey te site, te valide deklarasyon Geggus la sou Makonda :
"Lutete mentions, but does not describe in detail, seven minkisi called zinkosi because they have the power to kill people suddenly; all are wooden figures: Nkondi, Kunia, Nkaya, Makonda, Mbenza Me Nsanga, Moindi, and Me Tamba." (15)
Tradiksyon :
"Lutete mansyone, men san li pa dekri an detay, sèt "minkisi" ke yo rele "zinkosi" paske yo gen pouvwa pou yo touye moun toudenkou ; yo tout te estati an bwa : Nkondi, Kunia, Nkaya, Makonda, Mbenza Me Nsanga, Moindi ak Me Tamba."
Konsa, nan peyi Kongo, Makonda (pa Makwonda), se non yon "Nkisi", kidonk, yon Fòs mistik ki nan yon objè sakre. Sepandan, si Makonda se "Nkisi" oswa "fetich" ak "pouvwa touye moun toudenkou", non li yo pa vle di "fetich", "grigri" oswa "cham" pou sa, jan Geggus ak disip li yo te pretann. Anplis de sa, jan MacGaffey te fè konnen, Makonda ansanm ak 7 "Minkisi" yo, ke yo rele "Zinkosi", yo te fèt an bwa. Kidonk, yo te estati an bwa. Yo pa t pakèt majik Makandal ansanm ak konplis li yo. Espesyalman paske nan Sendomeng, yo te rele pakèt majik yo "Makandals". Yo pa t rele yo "Mak(w)onda", "Makonda", "Makondal" oswa sa m pa konnen.
Epitou, chèchè loksidan yo (oswa oksidantalize yo), san prèv, epi avègman, klasifye yon dal antite mistik Kongo kòm etan "cham", "grigri" oswa "fetich". Men kontrèman a yo, tradisyonalis Kongo yo te fè distenksyon ant "Nkisi" yo dapre fòm ekstèn ke yo viv nan yo a. Tradisyonalis Kongo yo fè diferans ant "Nkisi" yo ki abite nan sak pou trètman yo (Mbumba), de "Nikisi" sila yo ki aji kòm pwoteksyon majik (grigri) yo (Nsilu), de "Nkisi" yo ki te travay nan po tè yo (Kinzu) :

"The given name of an nkisi often begins or ends with the name of its external form, such as mbumba (medicine bag), nsilu (amulet), or kinzu (pot)." (16)
Tradiksyon :
"Non ke yo bay yon nkisi, souvan kòmanse oswa fini ak non fòm ekstèn li, tankou mbumba (sak pou trètman), nsilu (pwoteksyon majik/grigri), oswa kinzu (po)."
Nou kapab deklare, nan yon ipotèz, ke Mbumba te petèt konsève nan relijyon ayisyen an nan Lwa/Jany Kafou Boumba, Eskalye Boumba, Boumba Ganga, Boumba Maza Nkosi Danpetro, elatriye. Sepandan, Mbumba egziste sou lòt fòm nan espirityalite nan "Lafrik Santral. Menm jan an tou, Kinzu te kapab te konsève nan Lwa/Jany Gede Kensou a. Sa ki enpòtan, se ke kèk Nkisi ak anpil lòt konsèp relijye ki soti nan ansyen teritwa Angola-Kongo a, rete an Ayiti. Makonda pa sanble ke li fè pati de yo. Sepandan, mo "Nkisi" a parèt an Ayiti, nan lapriyè sakre ak nan non anpil Lespri Rada menm jan ak Petro. (Pou plis enfòmasyon sou Petro a, gade 10-Anèks : Orijin rit Petro a)

2.1.6- Makenda ak Makanda

Otè Hein Vanhee kanta limenm, te twouve nan non Makandal la yon konbinezon de 2 mo Kongo : "Makenda" (yon bouro, kidonk ki egzekite moun) epi "Makanda" (yon plant medisinal, kidonk ki fè remèd) :
"There is some evidence to suggest that Makandal was a Kongolese ritual specialist, composing and selling nkisi charms in the Kongolese tradition. His name may be a corruption of Makenda, being a title for the chief's executioner in early twentieth-century Mayombe, or of makanda, meaning a medicinal plant." (17)
Tradiksyon :
"Gen kèk prèv ki sijere ke Makandal te yon Kongolè espesyalis nan espirityalite, ki te konn fè ak vann cham nkisi nan tradisyon Kongo a. Non li ka yon malfòmasyon de Makenda, ki se yon tit pou chèf bouwo a nan Mayombe nan kòmansman ventyèm syèk la, oswa nan makanda, ki vle di yon plant medisinal."
Li trè akomodan pou Vanhee, ki yon fanatik tèz Kongo a, ke non Makandal matche ak 2 eleman ki te karakterize zak rebèl Makandal yo. Men, Vanhee, èske li gen rezon? Yon kontwòl sous dokimantasyon li yo ap ba nou repons la

a) "Makenda", tit bouwo yo, nan lang Kongo a?
Sous Vanhee a se yon sitasyon nan yon liv Wyatt MacGaffey ki rele "Kongo Political Culture". MacGaffey te ekri toutbonvre ke nan peyi Kongo, bouwo yo te lonmen "Makenda". Sepandan, sitasyon sila pa t pale de Sendomeng, ni de yon pwazonè, ni de Franswa Makandal. (18) Hein Vanhee te pwobableman pa enfòme ke Wyatt MacGaffey, nan yon lòt piblikasyon, te defini byen klè mo "Makanda" la, ki nan lang Kongo, te vle di menm bagay ak "klan", kidonk yon gwoup fanmi :


"The principle of descent is combined with that of locality in the clan sections (kanda; pl., makanda), which are now the most extensive customary corporate groups. Each clan section is domiciled in a village or in several villages in the same area, and is divided into houses." (19)
Tradiksyon : 
"Prensip de desandans la konbine avèk prensip de lokalite a nan seksyon klan yo (kanda, pl., Makanda), ki kounye a se elajisman ki pi laj de gwoup zantray yo. Chak seksyon klan an abite nan yon bouk oswa nan plizyè bouk nan menm zòn nan, epi li divize pa kay."
b) "Makanda" non yon plant medisinal? 
Pou li pwouve "Makanda" antanke non yon plant pou fè remèd, Hein Vanhee te site misyonè Leo Bittremieux ki aktyèlman te idantifye "Makanda", "Makânda" oswa "Mak'anda ma mbua" tankou yon plant medisinal ke Kongolè yo itilize. (20) Leo Bittremieux te idantifye plant sila kòm oxalis L. (oksalis L.) oswa oxalis sp. (ki soti nan fanmi Oxalidaceae (Oksalidasese)) :


"mak'anda ma mbua : Oxalis sp." (21)
(Oxalis sp.)
Sous : http://plantsoftheworldonline.org/taxon/urn:lsid:ipni.org:names:30000622-2

Sepandan, travay Leo Bittremieux a te montre ke mo "Makanda" a gen anpil sans. Li vle di tou nan "Bulu bi Makanda", "bèt ki gen men yo". (22) Menm jan ke li vle di nan "Makanda", (pliryèl Dikanda) klan oswa gwoupman fanmi bò manman*, kidonk eleman ki pi esansyèl nan tè Kongo, dapre misyonè a. (23) Natirèlman, Hein Vanhee te sèlman mansyone vèsyon nan "Makanda" oswa "Makenda" ki sipòte ipotèz li a.
Kidonk, pou n fè kout, koneksyon Kongo ke yo pwopoze pou mo "Makanda" a, byenke nan nivo etimolojik li ka posib, li pa chita sou ase prèv pou pèmèt nou konkli ke Franswa Makandal te soti Kongo. 



2.2 - Mayombe ak Teysello

Ke yo fè pwomosyon pou tèz Kongo a ou pa, chèchè yo tout dako sou pwen sa yo. Yo kwè di ke Makandal te gen 2 konplis yo te rele Mayombe (Mayonmbe) ak Teysello (Teselo). Pou yo ranfòse agiman yo, patizan orijin Kongo Makandal la simaye lide ke Mayombe ak Teysello te natif natal Kongo, epi sa vle di ke konplis yo ki se Makandal ta dwe soti nan rejyon sila tou. Agiman yo a demode pou plizyè rezon. Premyèman, konplisite pa garanti menm orijin geyografik ak etnik. Epi, jan nou te eksplike nan atik anvan an, pwazonnè nan tan Makandal yo te soti nan plizyè nanchon oswa gwoup etnik. Entèwogasyon Assam (Asam), yon pwazonèz, nan jounen 27 septanm 1757, (24) kidonk 3 mwa anvan arestasyon Makandal la, montre divèsite etnik la nan mitan pwazonnè yo, kote Kongo yo pa t gwoup ki te pi gwo a, jan chèchè yo pretann jodiya :
  • Assam, Pwazonèz (Foula).
  • Pompée, lib, Ankouraje zòt simen pwazon (Kreyòl).
  • Jean nan bitasyon Laplaine nan Lenbe, Pwazonè (Orijin li pa devwale).
  • Yon nwa lib ke non li pa t di (Dyola).
  • Gadyen nan bitasyon Laplaine (Banmbara).
  • Marie-Jeanne, libere, Machann (Niyanmba).
  • Madeleine, Machann (Nago).
  • Coffi nan bitasyon Laplaine, Pwazonè (Orijin li pa devwale).
Men, menmsi sa, ann analize agiman pro-Kongo yo kanmenm.


2.2.1- Mayombe

Mayombe (Mayonmbe) se yonn nan 2 konplis yo ke yo enpoze sou Franswa Makandal. Dapre Christina F. Mobley, yon patizan tèz Kongo a, Mayonmbe se non yon forè nan Kongo. (25) Nan fòm ki pi popilà li a, Mayonmbe aktyèlman refere a yon rejyon mòn ki gen yon forè sakre ant peyi Kongo, Gabon ak Angola.


(Mayombe nan lane 1930)
Sous : https://fr.vikidia.org/wiki/Mayombe#/media/File:Mayumbe-Tranch%C3%A9e-1930.jpg

Kote sila, ansanm ak forè sakre li a, kontinye jwenn venerasyon nan sèvis tradisyonèl ayisyen an, atravè Divinite Kafou Mayonbe a, nan rit Petro/Lenmba/Kongo a. Me yonn nan chante sakre ke yo chante pou Lwa Mayonbe, Mayonbe Lele, oswa Tata Mayonbe (Papa Mayonmbe nan lang Kongo) :


Djoumbe, Djoumba,
M pral nan bwa, apre Dye
Piti kwi nan paradi
Tata Mayonbe biki la.

Toujou dapre Mobley, non Mayombe a ka dekoupe an "Ma-Yombé" : "Ma", se yon mak pliryèl + "Yombé", ki se non yon gwoup etnik nan peyi Kongo. (26) Sètènman, Mayonmbe parèt tou nan lis nanchon oswa gwoup etnik ki te gen nan koloni Sendomeng la :

"Un Nègre nouveau, de nation Mayombé, étampé P. BD, taille de 5 pieds 2 pouces, ayant un malingre à la cheville du pied gauche, est maron depuis lundi dernier, et a emporté un fusil et une hache. Ceux qui le reconnaîtront, sont priés de le faire arrêter, et d'en donner avis au Sieur Brouard, à l'Embarcadère de la Petite-Anse." (27)
Tradiksyon :
"Yon Nèg nouvo, nanchon Mayonmbe, li tanpe P. BD, wotè li 5 pye 2 pous, li gen yon maleng nan cheviy nan pye gòch li, li mawon depi lendi dènye, e li pran yon fizi ak yon rach avè l. Sila ki va rekonèt li, n ap mande pou yo fè arete l, epi voye nouvèl bay Mesye Brouard, nan dwàn Laptitans la."
E pa gen okenn dout ke gwoup etnik Mayonmbe a soti nan Kongo, pwiske, nan koloni Sendomeng la, yo te rele yo "Mayombe" oswa "Congo-Mayombe" :

"Il s'est égaré le 8 du courant, du carrefour du Morne-Rouge, un Nègre nouveau, de nation Congo-Mayombé, étampé LF, de la taille d'environ 4 pieds 8 à 9 pouces, rougeâtre de peau, ayant les yeux petits : en donner des nouvelles à M. Millet au Morne-Rouge. Il y aura récompense." (28)
Tradiksyon :
"Te sove le 8 nan mwa sila, nan kafou Mònrouj, yon Nèg nouvo, de nanchon Kongo-Mayonmbe, li tanpe LF, wotè li 4 pye 8 a 9 pous, li wouj, epi li te gen ti je : voye nouvèl bay Mesye Millet nan Mònrouj. Ap gen yon rekonpans."
Anpil fwa, nan Sendomeng, non nanchon diferan yo te sèvi antanke prenon, non nan mitan, oswa non fanmi pou kaptif (esklav) yo. Anons sila ki date 3 jiyè 1773, demontre abitid sa konsènan yon kaptif (esklav) Kongo yo te rele Pierre Mayombe, akoz de orijin etnik li :


"Trois Nègres nouveaux, de nation Congo, sans étampe, l'un nommé Pierre Mayombé, parlant avec difficulté, âgé de 27 à 28 ans, taille de 5 pieds 5 à 6 pouces, ayant une marque de son pays sur chaque tempe, & ayant reçu un coup de manchette dans l'épaule droite & un autre coup dans le bras gauche, au dessous du coude..." (29)
Tradiksyon :
"Twa Nèg nouvo, nanchon Kongo, yo pa tanpe, yonn rele Pierre Mayombe, li pale ak difikilte, li gen 27 a 28 an, wotè li 5 pye 5 a 6 pous, li gen yon mak peyi li sou chak tanp, epi li te resevwa yon kout manchèt nan zepòl dwat epi yon lòt nan bra gòch, anba koud li..."
Konsa, si Mayombe, swadizan konplis Makandal la, te fè pati de gwoup etnik Mayombe a ki soti Kongo, èske se yon prèv ke Makandal tou te manm menm gwoup etnik la? Carolyn Fick tou te detekte yon konesyon Kongo nan non Mayombe a. Li te fè konnen ke Mayombe sòti nan Maïombe oswa Maïmbo, ki vle di "Wa" nan teritwa Kongo. (30) Kat Wayòm Loango a, ki pibliye pi wo, bay Fick rezon sou pwen sa. Sepandan, Fick te avèti ke konsonans (kidonk son ki nan) non Mayombe a pa t prèv ase ke Mayombe te gen orijin Kongo. (31) Prèv sa, Fick di, li koyensidans, kidonk li rive pa chans
"Kiryezman, sepandan, yo jwenn lòt non de zonn, tankou Wayòm Iomba, ki depann de Loango (ke jeyograf nan dizwityèm syèk yo mal eple Maïomba oswa Maïombe, epi menm Mayombe, lè an reyalite Maïomba te vle di "wa Iomba"). Wayòm ki rele Mayombe a parèt tou nan lis nasyon yo nan yon chante vodou (Fouchard, Marrons de la Liberté, 189). Nou konnen tou ke yonn nan de konplis Makandal yo te rele Mayombe, men non sila pa t ra nan mitan esklav yo. San okenn dokiman ki pli konkrè, tout bagay sa rete ipotetik..." (Trad.) (32)
Kidonk, eritaj Kongo Mayombe a rete yon ipotèz, sa ki vle di yon lide ki pa pwouve. Annou vire touswit sou Teysello, lòt swadizan konplis Mayombe ak Makandal la.  


2.2.2- Teysello

Pandan ke tout chèchè yo dakò ke Teysello te gen yon eritaj Kongo, kèk nan yo sèlman te eseye (ouvètman) al chèche tras etimolojik non Teysello a. Chèche ki gen plis kouraj yo, sanble se te David Geggus, epi Christina Mobley.
  • Dapre David Geggus, non Teysello a ta dwe yon defòmasyon, nan lang Kongo, de "Terceiro", yon mo Pòtigè ki vle di "Twazyèm". (33) Terceiro ta dwe yon mo ke sipozeman kolon Pòtigè yo te mennen nan tè Kongo. Sepandan, Geggus pa t bay okenn prèv de revandikasyon espekilatif li a. Ni Geggus pa t montre okenn dokiman Kongolè (oswa Pòtigè), ki montre moun ke yo te rele Terceiro oswa Teysello nan tan sa.
  • Dapre Christina F. Mobley, Teysello se yon defòmasyon de "nganga tesa", ki, nan lang Yombé nan Kongo, vle di "mèt nan divinasyon". (34) Ant mo Teysello a ak "nganga tesa", gen yon diferans fonetik (kidonk nan son) ki depase limit sa ki rezonab. Men chèchè yo, e Mobley nan yo tou, pa janm prezante Teysello kòm yon "mèt nan divinasyon". Enben, poukisa non Teysello ta va sòti nan "nganga tesa", toudenkou, si se pa t pou kore espekilasyon otè revizyonis la?
Epitou, non Teysello a pa parèt okenn kote nan liv istwa yo :
  • Ekriti kolonyal yo pa mansyone li.
  • Non sa pa egziste nan peyi Kongo, ni an Ayiti.
  • Epi non an pa egziste nan memwa lengwistik, ni nan memwa relijye Ayiti.
Nan ansanm tradisyon ayisyen an, yon sèl mo rive sanble fonetikman (nan son) ak "Teysello". Se non Lwa/Jany "Tisila Wedo". Men, sa pa pwouve anyen. Nan nivo sa, nou ka konkli ke Teysello oswa Teyselo pa t yon konplis Makandal ; non li pa t egziste nan koloni Sendomeng la, menm jan li pa egziste an Ayiti.


2.2.3- Teysello  ak Mayombe, pèsonaj envante

Mayombe ak Teysello pa parèt nan lis konplis Makandal yo, ni nan lis konplis Assam yo, ni nan lis dal konplotè ke yo te arete apre egzekisyon Makandal la. An reyalite, pa gen okenn ekriti kolonyal ki mansyone Mayombe oswa Teysello. Rezon ki fè sa, li fasil anpil : Mayombe ak Teysello pa t moun ki te  janm egziste. Yo se sèlman pèsonaj envante, ki soti nan yon woman ki te pibliye an Frans nan lane 1787, kidonk, 20 lane apre yo te fin arete Makandal :
"Makandal te gen avè l de konplis oswa lyetan ki swiv volonte li ak 2 je fèmen. Yonn te rele Teysello e lòt la Mayombe, epi se pwobab ke yo sèl te gen moso enfòmasyon nan sekrè yo ke li te itilize pou l etabli pouvwa li." (Trad.) (35)
Otè de woman oswa liv kont anonim an, ki te pibliye nan mwa septanm 1787, te pran non "Mayombe" a nan jijman Konsèy Siperyè Okap la nan dat 16 me 1786 kont Jérôme Poteau (Jeròm Poto) ak Télémaque. 2 Monm sa yo te 2 lidè tradisyonalis vedèt. Yo te konn simaye lide endepandans. Yo te konn fè epi vann baton majik ki rele "Mayombe" oswa "Mayombo". Otè  tèks anonim la, te tande, epi li te pran enspirasyon nan istwa Jérôme Poteau ak Télémaque ki te popilè anpil. Otè anomin an te vin envante pèsonaj Mayombe ak Teysello kòm konplis Makandal sou Jerôme Poteau ak Télémaque ki te rete Mamlad, nan pwovens Nò a. Tèks anonim la te parèt nan mwa septanm 1787, kidonk apèn 2 mwa anvan jijman 13 novanm 1787 la, ki te kondane Jerôme Poteau ak Télémaque pou tout tan gen tan, men sa te 16 mwa apre jijman 16 me 1786 la. (36) Si yo pa ka etabli yon eritaj Kongo pou pèsonaj envante yo ki se Mayombe ak Teysello, se pa menm bagay la pou Jerôme Poteau (milat) ak Télémaque (nwa) ki te egziste toutbonvre. Rebèl sa yo, menm jan ak yon kaptif (esklav) yo rele Jean, ki te konn òganize nan lannwit, nan Mamlad, sèvis relijye Kongo ki te rele "Mayombe" oswa "Bila". Vreman vre, Jean, Jérôme Poteau ak Télémaque te pratike yon sèvis Kongo ki kontinyè fèt jouk jounen jodiya. Nan Kiba, jan de sèvis sa a te pran non Palo Mayombe oswa Las Reglas de Congo. "Palo" vle di "baton" nan lang panyòl, epi "Mayombe", se yon rejyon sakre nan Kongo. Ansanm, konbinezon Palo ak Mayombe vle di "Baton Mayombe" oswa "Baton ki soti Mayombe". E si nou tire konbinezon sa pi lwen, li vle di "Baton ki soti Kongo".
Menm jan an tou, nan Sendomeng, an jeneral, mo "Poteau" a se sinonim (kidonk, li vle di menm bagay ak) "baton". Men, mo sa te itilize tou pou yo pale de yon grenn vejetal (kidonk, ki soti nan pyebwa) ke yo mete nan resèt majik. Poteau oswa poto vejetal sa yo, ke Jerôme Poteau te konn fabrike ak vann, te fè baton nòmal tounen majik. Epi baton majik sa yo te imedyatman gen non "Mayombe" oswa "Mayombo". Epitou, pwiske yo sou chaj yon Lespri Kongo, baton sa yo ki rele Mayombé oswa Mayombo te fè moun ki posede yo vin envensib nan konba. Paske, toupatou nan koloni esklavajis nan Lamerik yo, kaptif (esklav) yo te konn òganize batay ak baton ki te gen tout kalite entansite. E nan koloni Sendomeng la (Ayiti), Nwa yo te konn òganize tounwa armasyal, kidonk batay ak baton, ki te vyolan nètalkole. (37)


(Konba baton nan tan koloni a)
Sous : Labrousse, L. "Nègres de St Domingue se battant au bâton", 1795 ; Coll. Chatillon L.435 ;  URL : http://collections-musees.bordeaux.fr/ow4/maq/images/2003-4-176-5290.JPG

Tradisyon armasyal sila kontinye an Ayiti modèrn, nan yon mannye ki pa vyolan ankò, oswa ki vyolan yon ti kal. Yo konnen tradisyon an sou plizyè non. Yonn nan non sa yo te Tire baton oswa Tire bwa. Tradisyon sa popilè epi byen òganize nan rejyon Latibonit la, ki toupre Mamlad, ki se kote Jérôme Poteau te konn fabrike baton majik li yo.

(Tire baton an Ayiti)
Sous : "Bâton de l'Artibonite" ; https://www.youtube.com/watch?v=BsqYq_XRbe8 ; kapti : 0:01:30.08

Tire baton oswa Tire bwa, yo wè l tankou yon armasyal "Afriken" tradisyonèl. Souvan, yo wè l tankou senp batay oswa jwèt ak baton. Men, tradisyon sa kache yon mistik, yon filozofi lavi ki chita sou defann pwòp tèt ou, sou disiplin, sou konfyans nan tèt ou, sou respèkte sila yo ki plase pi wo pase w, sou respèkte tèt ou ak zòt, respèkte anviwònman an, lavi a. Epi espesyalman, respèkte Lespri sakre a ki pwoteje ak gide sò konbatan k ap opere kèk baton majik oswa baton monte. (38)
Konsènan pratik sila nan Jeremi (Sidwès Ayiti), Harold Courlander te pale de koneksyon idantite ki te fèt ak gwoup etnik Mousondi a (oswa Kongo Mousondi). (39) Sepandan, pratikan armasyal sila nan Dedin, nan Latibonit, rele "Sinigal" mèt nan tire baton yo ki wo nan longè. (40) Sa fè n kwè ke syans baton an pa te pratike sèlman pa Kongo yo. Men plizyè gwoup etnik nan Sendomeng te konn tire baton. 

Bon, ki sa "Mayombe" te ye vrèman vre, e ki koneksyon l ak Kongo?
Nan Sendomeng, mo "Bila" a te, premyèman, sèvis relijye ke yo te rele "Mayombe", "Bila" oswa "Maman Bila" (manman Bila). Mo sa yo rete nan tradisyon zantray ayisyen an, kote "Bila" toujou raple "Kongo".** Dezyèman, nan Sendomeng, "maman bila" (manman bila) te dekri tou kèk ti wòch majik ke yo te konn antre nan baton konba Mayombe oswa Mayombo yo. An reyalite, nan nivo etimolojik, "Bila" soti nan "Mbila", yon mo Kikongo ki vle di "rele" (41) epi "domestik". (42) Me ki relasyon 2 mo diferan sa yo genyen ak baton majik yo : 
"Mbila a se domestik ki la pou sèvi a, gason lakou Ntambo Mulungu a. (...) Se travay li pou lanse kèk rèl toupre pyebwa sakre. Se menm la ke li jwenn non li : mbila vle di rèl ki fann zòrèy." (Trad.) (43)
Lè nou konnen ke nan lang kikongo a, mo Nkawu a (ke yo kenbe tou nan rityèl ayisyen an)*** refere a yon baton epi ak yon rèl fann zòrèy, tout bagay la vin klè. (44) Konsa, Jérôme Poteau te konn fabrike baton (ki soti nan pyebwa sakre). E li te konn chaje baton sa yo ak engredyan majik, pou te fè yo tounen Mayombe (yon zonn sakre nan Kongo). E baton majik sa yo, ki chaje ak Poto oswa ak Bila, te fè menm jan de travay ak yon domestik (Mbila) nan peyi Kongo. Tankou domestik ki konn lage rèl fann zòrèy toupre pyebwa sakre a, Bila ki nan baton sakre a elwaye move enèji konpetitè nan konba baton yo, kòm sa te ye lontan, nan lachas nan Kongo.
Se pwouve ke te gen yon nanchon yo te lonmen Mayombe nan Sendomeng. E yo te rele kèk manm nan nanchon sila "Mayombe", pa rapò a gwoup etnik yo. Sepandan, non "Mayombe" a, nan vèsyon ki pi popilè li a, e ki te blayi nan jounal nan lane 1786-1787 yo, pa t refere a yon moun, ni a yon konplis Makandal. Okontrè, li te yon konsèp majik ki soti nan tradisyon lachas nan Kongo. 



3- Non Makandal la nan koloni a

Kòm nou te montre ke tèz Kongo sou Franswa Makandal la baze sèlman sou sipozisyon, nou dwe pou tèt nou pwopoze yon tèz ki pi solid. Apwòch nou an se yonn nan pi senp e pi disipline ki ka genyen : pou analize ekriti kolonyal yo.
a) Gras a rapò ki fèt pa jij Sébastien Courtin ki te kesyone Makandal pèsonèlman, nou konnen ke Franswa Makandal te fèt an "Afrik" :
"Epi nou dwe admèt ke F. Makandal pa t yon Nèg òdinè. Li te kaptèn nan peyi l." (Trad.) (45)
Sepandan, jij Courtin pa te espesifye nan ki peyi nan "Lafrik" Makandal te fèt la. Konsa, nan chèche prèv, ann egzaminen ansanm ki jan non "Makandal" la te itilize nan ekriti kolonyal yo.
b) Apre egzekisyon Makandal la, non li pa t disparèt nan koloni li te ravaje a. Yon desizyon nan 11 mas 1758 pase yon entèdiksyon pou kaptif (esklav) yo pa genyen pakèt majik yo ki rele "Makandal" :
 

"Arrêt de Réglement du Conseil du Cap, qui défend aux Nègres de garder des paquets appelés Macandals, ni de composer et vendre des drogues.
Du 11 Mars 1758.
Sur ce qui a été remontré au Conseil par le Procureur Général du Roi, que par les déclarations faites par plusieurs Accusés de pratique prétendues magiques et d'empoisonnements, il résultait évidemment que les paquets ficelés, appelés Macandals, ne sauraient être composés..." (46)
Tradiksyon :
"Jijman Konsèy nan Okap la, ki defann Nèg yo genyen pakèt yo rele Makandal yo, ni pou yo fè ak vann medikaman
Nan 11 Mas 1758.
Sou sa ki te pwouve bay Konsèy la, Pwokirè Jeneral a Wa a, dapre plizyè deklarasyon ke anpil nan sila yo ke yo Akize de swadizan pratik majik ak anpwazonnman te fè, li parèt evidan ke pakèt mare yo, ke yo rele Makandal, pa t ka fèt..."

c) Menm jan an tou, yon jijman nan 7 avril 1758, te entèdi tout popilasyon nwa a (kit lib, kit kaptif (esklav)) fabrike, vann oswa achte "Macandals" :


"Art. II. Fait défenses à tous Affranchis et Esclaves de composer, vendre, distribuer ou acheter des Garde Corps et Macandals, à peine d'être poursuivis extraordinairement, comme profanateurs et séducteurs, et punis suivant la rigueur de l'Édit de 1682." (47)
Tradiksyon :
"Atik II. Nou defann tout Afranchi [kidonk sila yo ki vin lib] ak esklav fabrike, vann, distribye oswa achte gadkò ak Macandals, fotdekwa y ap pouswiv yo nètalkole, kòm etan profanè ak sediktè, epi y ap pini yo ak severite ki nan lwa 1682 a."
d) Men, lakrentif pou non Makandal la rete entak nan koloni a, nan lespri kolon yo ki, plizyè deseni apre egzekisyon Makandal la, te kontinye deklare "Makandal" tout kaptif (esklav) yo sispèk pwazonè. Anons sila ki date 8 me 1781, montre sa :


"Un Griffe créole de d'Ouanaminthe, nommé Jean-Baptiste, taille de 5 pieds, étampé LEJEUNE, est parti maron de Plaisance depuis quinze jours : il est voleur & macandal. Ceux qui le reconnaîtront, sont priés de le faire arrêter & d'en donner avis au Sieur Lejeune, Habitant audit quartier." (48)
Tradiksyon :
"Yon Grif kreyòl nan Wananment, yo lonmen l Jean-Baptiste, wotè li 5 pye, li tanpe LEJEUNE, li mawon de Plezans depi kenz jou ; li se yon vòlè ak macandal. Sila yo ki va rekonèt li, yo mande yo fè yo arete l epi voye nouvèl bay Mesye Lejeune, k ap viv nan katye a."
e) Tankou pou kolon yo, kraponnay non "Makandal" la te fin anvayi kè kaptif (esklav) yo tou. Se te sila yo ki te konn sibi plis de pwazon ak zak majik Makandal yo :


"Le souvenir de cet être pour lequel les épithètes manquent, réveillent encore des idées tellement sinistres, que les nègres appellent les poisons et les empoisonneurs des Macandals, et que ce nom est devenu l'une des plus cruelles injures qu'ils puissent s'adresser entr'eux." (49)
Tradiksyon :
"Memwa de nonm sila, ke pa gen mo ase di pou dekri l la, fè leve jouk konnya kèk lide ki tèlman grav, ke nèg yo rele pwazon ak pwazonè Makandal, e ke non sa vin tounen yonn nan jouman ki pi mechan ke yonn ka di lòt."
f) E natirèlman, lejann Makandal la te enspire yon nouvo jenerasyon rebèl nan mitan kaptif (esklav) yo. Pa egzanp, kaptif (esklav) sila ki sove oswa ki mawon, ke yo rele Eustache, yon Kongo, te  bay tèt li non "Makandal", plizyè lane anvan 1766, kidonk kèk lane toupre dat egzekisyon Franswa Makandal la :


"Un Nègre Congo, nommé Eustache, & surnommé depuis quelques années Makandal, étampé BOYVEAU, de la taille de 5 pieds & quelques pouces, âgé d'environ 40 ans, ayant le visage rougeâtre, & lui manquant quelques dents de devant, est maron. M. Boyveau, Habitant au Dondon, à qui ce Nègre appartient, prie ceux qui le reconnaîtront, de le faire arrêter, & de lui en donner avis : il donnera 150 liv. pour la prise." (50)
Tradiksyon :
"Yon Nèg Kongo, yo rele Eustache, li gen ti non Makandal, depi kèk lane, li tanpe BOYVEAU, wotè li 5 pye ak kèk pous, laj li anviron 40 an, figi l wouj, epi li manke kèk dan devan, li mawon. Mesye Boyveau, ki rete Dondon, ke Nèg sa se kina li, sipliye sila yo ki va rekonèt li, pou fè yo arete l, epi voye nouvèl ba li : l ap bay 150 liv pou arestasyon an."
g) Men, èske sa se yon prèv ke Makandal te yon Kongo? Oswa èske se jis yon prèv de popilarite Makandal nan mitan yon Kongo ki mawon? Li difisil pou nou ka di. Sepandan, Descourtilz, yon natiralis (kidonk yon obsèvatè lanati), ki te rive ta nan koloni a, te fè yon obsèvasyon ke nou, tankou anpil lòt moun, te konprann kòm yon afimasyon ke Makandal te soti nan Kongo toutbonvre :
"Te gen nan Sendomeng, nan premye moman leve kanpe nwa yo, yon bann de rebèl sa yo, yo rele Congos tous nus [Kongo tout toutouni], paske an reyalite yo pa t menm sèvi ak yon tanga. Chèf yo se te yon milat makendal." (Trad.) (51)
Sepandan, kolon Descourtilz la te ekri mo "makendal" la ak yon "m" miniskil, kidonk mo "makendal" la te yon adjektif. Descourtilz pa t itilize yon "M" majiskil ke li ta dwe, si l t ap ekri non yon moun. Sa di nou ke anfèt, ak mo "makendal" la, Descourtilz te dekri yon majisyen an jeneral, nan sans yo di "makanda" nan kreyòl ayisyen an, Descourtilz pa t ap pale de Franswa Makandal. Paske, si li te fè sa, li ta fè erè, piske milat ki te kòmande gwoup yo rele "Congos tous nus" (Kongo toutouni) yo, se te Lamour Dérance. Se pa t Franswa Makandal :
"Lamour Dérance, ak bann li yo ke yo rele "congos-tout-nus" [Kongo toutouni], paske yo te goumen toutouni oswa prèske, Lamour Dérance te gen yon enfliyans imans sou Afriken yo." (Trad.) (52)
Anplis, rebèl Franswa Makandal la pa te yon ras melanje. Epi yo te egzekite l nan lane 1758, sa ki reprezante plizyè deseni anvan kòmansman lagè endepandans la, ke Descourtilz idantifye kòm "revolisyon an". Men, nan menm liv li a, Descourtilz te menm kontredi tèt li, lè li te sigjere ke mo "makenda" a (menm jan yo di pou rebèl Makandal la) te soti nan lakou Urba (Okba). Sepandan, lakou wayal sila te lokalize nan "Lafrik" di Nò. Li pa t nan "Lafrik" Santral, kote teritwa Kongo a chita. Konsa, akoz de mank de temwayaj endividi nan tan Makandal la, ekriti kolonyal yo pa pèmèt nou etabli ak presizyon nan ki peyi Makandal te soti.


4- Makandal nan bazdone yo

Pwiske ekriti kolonyal klasik yo pa t bannou rezilta nou ta atann an, e pwiske nou refize espekile jan nou pi pito sou etimoloji a non "Makandal" la, ebyen, ann chèche nan lòt sous. Bazdone sou komès esklav la, Slavevoyages.org, sanble apwopriye. Menmsi Slavevoyages.org pa pwopoze non kaptif (esklav) nan Sendomeng yo, sit sa prezante fich sou kaptif (esklav) ke yo te dirije nan lòt pò negriye. Fich sa yo, se sou kaptif (esklav) ki te sou bato ke yo te entèsepte, paske batiman sa yo yo t ap bwote yo ilegalman, kidonk, apre ke komès esklav la te fin entèdi. Si nou jwenn non "Makandal" oswa "Makanda" la nan mitan kaptif (esklav) sa yo, ke tribinal entènasyonal la te libere, sa va pèmèt nou idantifye sous non Franswa Makandal la. Paske moun nwa sa yo, ke yo te entèsepte sou lanmè, pa te jwenn non yo nan yon sistèm kolonyal.
Mo kle "Makandal" oswa "Makandal" la pa t bay okenn rezilta nan Slavevoyages.org. Sepandan, lè nou te chèche "Macanda", nou te detekte 5 kaptif (esklav) ki te gen non sila. Ak rezilta a, nou te trase tablo sila :

Kaptif (esklav) yo rele Macanda, kote yo soti, kote yo prale, elatriye.
ID
Non
Laj
Wotè [in]
Sèks
Orijin
Vwayaj ID
Non batiman
Dat rive
Anbake
Debake
76119
Macanda
6
38.0
Gason
Congo Luango
1403
Diligencia
1835
Mayumba
Havana
76205
Macanda
24
63.0
Gason
Congo Cutuide
1367
Joven Reyna
1835
Congo River
Havana
101555
Macanda
19
58.75
Gason

7659
Amelia
1811
Cabinda
Freetown
101600
Macanda
13
53.0
Ti gason

7659
Amelia
1811
Cabinda
Freetown
182309
Macanda
6
52.0
Ti gason

3670
Málaga of Belouru
1847
Loango
Freetown

Sous : http://www.slavevoyages.org/resources/names-database
 
Enfòmasyon sa yo montre : 
  • a) Ke tout kaptif (esklav) yo ki te gen non Macanda yo te soti nan "Lafrik" Santral ; pi jisteman nan Wayòm Kongo-Loango a. Pa t gen kaptif (esklav) ak non Macanda oswa Makanda ki te soti nan "Lafrik" de Lwès, kote popilasyon Mandeng yo abite (Senegal, Lagine, Syeraleyòn).
  • an) 3 nan 5 kaptif (esklav) yo ki te gen non Macanda, te timoun ; 2 nan yo te gen 6 an, epi lòt la te gen 13 an. Yon sitiyasyon konsa demanti pawòl ki di ke non "Makanda" oswa "Makandal" la, yo te bay moun li an koneksyon ak metye majisyen a, an koneksyon ak itilizasyon gadkò, oswa an koneksyon ak plant medisinal.
  • b) 2 nan kaptif (esklav) ak non Makanda yo, ki te gen 19 ak 13 an, yo te transpòte yo nan menm bato a (Amelia) ki te soti nan Cabinda (Kabinda), nan lane 1811 ; e ki t ap ale Freetown nan Syeraleyòn. Sa montre nou popilarite non Makanda a.
  • ch) Finalman, yonn nan 5 Makanda sa yo te menm soti Mayumba. Kòmsi non Makanda a toujou gen yon relasyon ak Mayumba oswa Mayombe, ki se vilaj prensipal nan Wayòm Loango oswa Luango a. 
E kanta pou nanchon oswa gwoup etnik 5 diferan Macanda sa yo, sit asosye a, ki se : african-origins.org te bay yon pòtrè detaye de chak nan yo. Sa ba nou tablo sila :


Kaptif (esklav) yo rele Macanda, lang yo pale
ID
Non
Laj
Lang
76119
Macanda
6
Luba
76205
Macanda
24
Luba
101555
Macanda
19
Kongo
101600
Macanda
13
Kongo
182309
Macanda
6
Kongo

Sous : http://african-origins.org/african-data/detail/76119 ; http://african-origins.org/african-data/detail/ 76205 ; http://african-origins.org/african-data/detail/101555 ; http://african-origins.org/african-data/detail/101600 ; http://african-origins.org/african-data/detail/182309

Tablo sila fè nou wè ke 5 moun ki te rele Macanda sa yo te pale nan 2 lang etnik : Luba (Tshiluba oswa Ciluba), epi Kongo (Kikongo). 2 nan kaptif (esklav) yo te pale nan lang pèp Baluba a, pandan 3 lòt yo te pale nan lang pèp Bakongo a. 

4.1- Franswa Makandal : Kongo oswa Luba?

Nan nivo nou rive la, li pi fasil pou nou aksepte lide ke Franswa Makandal te soti nan teritwa Kongo-Angola a. Rete jis pou nou detèmine nan kiyès nan 2 gwoup etnik sa yo (Luba oswa Kongo) li soti. Èske li te, jan yo te di nan Sendomeng (e toujou nan rityèl ayisyen an) yon "Franc Congo" (Fran Kongo)? Oubyen, èske li te yon "Luba" (Louba), ki se yonn nan plizyè gwoup etnik oswa nanchon ki rete toupre Bakongo yo, e ke kolon nan sendomeng yo te batize "Kongo" kareman? Analiz de orijin lengwistik kaptif (esklav) ki te rele Macanda sa yo, ap ede nou detèmine etnisite a Franswa Makandal, revolisyonè nan Sendomeng la.
Me anplasman Luba yo oswa Baluba yo (kidonk pèp Louba a), ki pale Tshiluba (Tchilouba) oswa Ciluba (kidonk lang Louba a). Sa se chema de kote yo te kidnape, epi kote yo te anbake kaptif (esklav) Luba de 24 an, ki rele Macanda a
:


Sous : http://african-origins.org/african-data/detail/76205

Bon, me anplasman Kongo yo oswa Bakongo yo (pèp Kongo a), ki pale Kikongo oswa lang Kongo a. Sa se chema de kote yote te kidnape epi kote yo te anbake kaptif (esklav) Kongo de 19 an, ki rele Macanda a :


Sous : http://african-origins.org/african-data/detail/101555
 

Jan 2 kat sa yo demontre nou li, yon kaptif (esklav) ki rele Macanda, e ki te pale Ciluba oswa Tshiluba te lokalize nan Sant teritwa Wayòm Kongo-Angola a ; pandan ke kaptif (esklav) ki pale lang Kikongo a te abite nan pwent Lwès menm teritwa a. Kat jeyografik sila pou lang ki pi pale nan Kongo, reprezante an menm tan anplasman 2 gwoup etnik ak lengwistik sa yo :

(Kat gran lang Kongo yo)
Sous : "Carte des grandes langues du Congo". Leclerc, 2005. ; URL : http://www.ciyem.ugent.be/info/ciluba_map.jpg

Nou dwe sonje ke selon rapò a jij Sébastien Courtin an, Franswa Makandal, pandan li t ap fabrike yonn nan pakèt majik li yo, te resite yon lapriyè ki te gen repetisyon mo "alla" a ladan l :
"Bòkò ki t ap fabrike l la, te di kèk mo pandan operasyon l nan. F. Makandal nan kesyonman l pa Konsèy la te di pawòl sa yo ki te sanble soti nan lang tirk la, epi kote mo alla, alla a te repete plizyè fwa, epi lè li te pale an Franse, li te di ke li t ap envoke Bondye oswa Seyè Jezikri a." (Trad.) (53)
Lapriyè sila matche ak Chahada a, oswa zak de fwa islamik la. Li revele ke Makandal te gen kèk kontak ak relijyon mizilman an, ki te gaye apati de Lès pou rive nan Sant Kongo. E se te machann Swahili yo, ki te pasableman islamize nan epòk sa, ki te konn gaye islam. Sepandan, Bakongo yo (ki pale Kicongo), abite lwen Swahili yo, pandan ke Baluba yo (ki pale Tshiluba) te vwazen Swahili yo (ki pale Kiswahili). Sa fè nou konprann ke Franswa Makandal te gen plis chans pou l ta soti nan nanchon Louba (Luba).

(Pòtre Chèf Baluba nan lane 1905)
Sous : Henry Wellington Wack. Story of the Congo Free State.  New York, 1905. p.144b.

4.2- Kidnaping Makandal la epi kontak li ak islam

Antanke Baluba, kalite islam Franswa Makandal la, pa t ka ase pou ta rann li mizilman anbònedifòm. Franswa Makandal, jan jij Courtin te remake l la, te gen don yon kokennchenn entelijans. E entelijans li sa te ka fè li enterese nan islam machann Swahili yo, pa kiryozite. Nan ka sa, si li te konvèti, Franswa Makandal pa t ap, antanke mizilman, viktim kidnaping nan men Swahili mizilman yo. Men, posibilite ke Makandal te konvèti anvan yo te kidnape l la piti anpil. Paske Baluba yo (ki rete nan pwovens Kasai Oriental ak Katanga) te toujou nan chire pit ak Swahili yo ki konn batay kont yo. Swahili yo te abitye bare wout kote manje Baluba yo pase, jouk sa te pouse Baluba yo patisipe nan komès esklav la. (Yo te fè dappiyan sou lòt gwoup etnik yo, nan kòmansman ; epi, yo te vin vann pwòp frè Baluba yo).
Konsa tou, kidnapè Franswa Makandal yo te kapab manm lòt gwoup etnik tradisyonalis. Men, si se Swahili yo ki te kidnape Makandal vremanvre, sa ta vle di ke li te gen yon ti kras oswa li pa t gen okenn kontak ak islam anvan kidnaping li. Akoz de sa, Makandal te aprann eleman debaz relijyon mizilman an (ouvètman, ou pa) nan men kidnapè islamize li yo ; pandan vwayaj long la, ki soti nan teritwa Luba jouk rive nan Larivyè Kongo a. Se vwayaj manch long sa, ke kaptif (esklav) Luba sila te fè, limenm ki te gen 24 an, e ki te rele Macanda :


Sous : http://african-origins.org/african-data/detail/76205

Vwayaj danjere sa, anba chenn, te pi long ankò, lè w kòmanse l nan teritwa Baluba a, pou w rive nan pò Mayumba a. Se te pò anbakman kaptif (esklav) Luba sila ki te gen 6 an, e ki te gen non Macanda :


Sous : http://african-origins.org/african-data/detail/76119

Pou yo pi efikas, kidnapè esklav yo te dwe sèvi ak entèmedyè de yon zonn a yon lòt. Men, ke te genyen entèmedyè ou pa, akoz de kokennchenn distans ki separe zonn kidnaping kaptif la (teritwa Baluba) a zonn yo vann li a (yonn nan pò nan Kot Lwès la, pou trafik kretyen-ewopeyen an ; yonn nan pò sou Kot Lès la, pou trafik arab-mizilman an), yon kaptif (esklav) tradisyonalis Baluba ta pase plizyè mwa ansanm ak kidnapè mizilman li yo. E yon ti kal tan ase pou yon mizilman ki lapriyè (an prensip) 5 fwa nan yon jounen, ta ka kite yonn nan kaptif li yo trape 1 oswa 2 nan lapriyè islamik li yo. Sitou pandan vwayaj long epi danjere sa yo ki dire plizyè mwa.
Epitou, pwiske Baluba yo rete tradisyonalis jouk jounen jodiya (byenke yo kretyen ofisyèlman), e yo pa mizilman, sa ranfòse posiblite de yon kontak kout e ki pa t angajan, ant Franswa Makandal ak islam kidnapè li yo. Kòm chans ke Franswa Makandal te soti nan gwoup etnik Baluba a ekstrèmman wo, enben, rete pou nou verifye si pratik relijye Baluba yo matche ak pratik Franswa Makandal yo. Si yo pa matche, nou dwe konkli ke Makandal te soti nan yon lòt gwoup etnik. 


5-  Bondye Kreyatè a dapre Baluba yo

Kòm nou te mansyone l, nan fabrikasyon pakèt majik li yo, Makandal te pwononse kèk mo majik ki gen repetisyon mo "alla" (Allah) a ladan, ke li te idantifye kòm "Bondye oubyen Senyè Jezikri". Plizyè chèchè revisyonis te wè sa kòm yon prèv solid de islamizasyon Makandal, pwiske Bondye, Jezikris, oswa Allah se zafè relijyon monoteyis yo, kidonk zafè relijyon ki kwè nan egzistans yon sèl Bondye tankou krisyanis ak islam. Dapre chèchè revizyonis sa yo, Bondye inik la pa konpatib ak relijyon tradisyonèl "Afriken" an. Men, chèchè sa yo tronpe yo tèt kale, pwiske, okontrè, konesans Bondye Kreyatè inik la simaye nan kontinan "Afriken" an depi tan ki pi ansyen an. Pandan ke konesans ke Bondye ta ka inik apèn gen 4 milenèr pou jwif yo, 2 milenèr pou kretyen yo, epi sèlman 1400 lane pou mizilman yo.
E kanta pou Baluba yo, gwoup etnik ke nou sispèk Franswa Makandal te soti ladan l an, konsèp Bondye Kreyatè a te devlope anpil lakay yo, epi li rete devlope ak djanm menm jan an. Anplis, lakay Baluba yo, konsèp sila pi devlope pase pou majorite nan gwoup etnik ki antoure yo. Paske, dapre otè sa, pou Baluba yo :
"Sous tout fòs ak tout lavi se Bondye, Li se Syaka-panga, Papa-Kreyatè a. Li se Mwine bumi bwandi, sila [ki] posede pwòp lavi li. Li pa te resevwa l. E nan men kiyès ke l ta va resevwa? "Li te fòje bagay yo ak pawòl ki soti nan bouch li." Li pa "entegre" nan jwèt fòs ki vivan yo.  Li dominen sa li te kreye. Muluba a [sengilye Baluba] inyore panteyon [kidonk kwè nan plizyè Bondye]." (Trad.) (54)
Pou Baluba a, konsèp Bondye (Vidye oswa Maweja Nangila) inik la pwouve :
"Bondye inik, transandantal [kidonk, li pa gen limit]. Li se sous tout lavi. Li se Papa nou tout : Syandya Bonso. Li se Papa tout bagay : Syandya Bintu. Tout moun resevwa lavi nan men menm Kreyatè a. Li kreye zansèt yo, li kreye fondatè branch fanmi yo : Wapangile Mpanga ne Banze, wapangile Nkulu ne Yumba." (Trad.) (55)
Men, zak kreyasyon an pa menm jan ak pa mizilman yo. Li pa fin konplete oswa fini :
"Zak kreyasyon Bondye a kontinyèl: Li se Tata muledi, Papa ki bay manje, kidonk, li kenbe nou vivan, [li] ki fè nou rive jouk isit la, e ki pral sipòte nou jou kap vini yo. Muluba a mande l: Unkomezye, ke ou vle ranfòse m, ogmante fòs mwen..." (Trad.) (56)
Nan kontèks sila, se pa etonan ke konplis Makandal yo souvan refere yo a "Bondye" Kreyatè a, paske pratik sa, nan mitan Baluba yo (ansanm ak lòt pèp vwazen yo), te reyalite yo anvan li te reyalite relijyon monoteyis yo :
"Si lide de yon Bondye Kreyatè a pa fè pati sèlman de eritaj espirityèl Baluba nou yo, li poutan gen rasin li nan tradisyon yo ki pi otantik. Li natif natal, si nou ka di l konsa. Enfliyans misyonè a, ki fèk parèt, pa t ka kreye tout literati oral sila ansanm ak stil ansyen li, ki kodifye ak konsakre sajès zansèt yo pou jenerasyon kap vini yo. Tout konsepsyon relijyon yo jwenn ekspresyon l - menmsi li gaye - nan non enteresan [ke yo bay] fonksyon Bondye yo, nan pawòl danti yo ak nan istwa relijye yo, lapriyè pou rele Bondye ak pou repouse malè. Literati sila pote nan ritm li, nan fòm gramatikal li yo, nan repetisyon pwovèb li yo, ki pwouve otantisite li ak laj ansyen li." (Trad.) (57)
Konsa, lakay Baluba yo, Bondye se Vidye, Lespri siperyè a ki te kreye tout bagay. Li se Syakapanga, sila a ki te fann dwèt men nou. Li se Mwine Matanda, Chèf tè a. Li se Syayuka, Papa tout konesans. Li se Syandya manwa, Papa tout deksterite. Li se Vidye Kasimbanwa, Lespri ke anyen pa kache pou li a, elatriye. Lòt non Vidye oswa Maweja Nangila (Bondye Kreyatè a) soti nan pratik Baluba yo, ke nan pa konprann, yo mete sou do relijyon monoteyis yo :
"Deja nan non yo, espesyalman "non de glwa yo", Mazina gen kusansula, nou jwenn kèk fonksyon Èt Siprèm nan : bonte Li, sajès Li, grandè Li ak espesyalman fonksyon papa Li. Bondye se Tata, Papa.
Non fonksyon l sa yo soti pi klè nan fòmil tradisyonèl yo ke Muluba a itilize lè l ap lapriyè Lespri a.
(...)
A. Bondye se sous sipm tout sa k byen.
B. Bondye gran, li transandantal [kidonk, li pa gen limit], omnisyan [kidonk, li konn tout bagay].
C. Bondye se Papa.
D. Bondye, fondasyon moralite." (Trad.) (58)
Kòm nou sòt devwale vizyon Bondye Kreyatè a lakay Baluba yo, rete pou nou eksplike prezans lapriyè ke yo voye bay Kreyatè a pandan fabrikasyon pakèt majik Makandal yo.

5.1- Bondye Kreyatè a nan majik Franswa Makandal la

Ke yo revizyonis islamik ou pa, ke yo gen bon entansyon ou pa, tout chèchè yo pataje menm opinyon an sou lapriyè ke Makandal te resite pou Antite Siprèm an.  Lapriyè Makandal la pou Bondye, ke li entèprete kòm Allah, Bondye oubyen Senyè Jezikri, chèchè yo kwè klapriyè sila pa t mache ak relijyon tradisyonèl "Afriken" an. Paske, dapre entelektyèl sa yo, tradisyonalis "Afriken" an pa voye lapriyè dirèkteman bay Bondye Kreyatè a, ke yo konsidere twò lwen epi li pa enterese nan zafè kretyen vivan. Kozekredi sila, ke yo tout pa bouke repete, revele yon inyorans fondamantal de relijyon tradisyonèl "Afriken" an. Misyonè Bèlj Van Caeneghem ki te rete plizyè lane nan Kongo, nan teritwa Baluba yo, nan Kasai, demoli move lide sa. Misyonè a pwouve ke Baluba yo pa fè sèvis pou adore Bondye Kreyatè a nan lari. Men yo fè sèvis anndan kay, nan fanmi yo, pou li. E kòm Baluba yo pa envite yo, etranje yo pa konnen ke sèvis Baluba yo pou Bondye Kreyatè a egziste :
"Rechèch nou lakay baLuba nan Kasai yo te pwouve nou ke deklarasyon sa yo aplike tou pou jenerasyon anvan yo nan peyi a. Nwa Luba otantik la, ki pa ankò antre pa sivilizasyon oksidantal la, te panse a Bondye, li te adrese Li lapriyè nan tout kalte sikonstans nan lavi li. Malgre aparans de yon lavi materyèl ki di, rad ra, kay ras epi manje pa kont, li te gen yon lavi entelektyèl nan yon nivo ki pi wo ; li te konnen ki jan pou l antre epi blayi sou lavi l diyite ke yon santiman relijye manch long ofri li. Lavi espirityèl nwa sila, pifò blan pa t konnen egzistans li ; menm nan mitan etnològ yo, anpil twonpe yo sou nati ak enpòtans li. Se akoz de inyorans yo de fon ideolojik ki fòme konsèp Bondye lakay baLuba yo, e lefèt ke sèvis ki siyale konsèp sa pa fè wè tankou nan relijyon oksidantal oswa oryantal yo." (Trad.) (59)
Apati de tèks misyonè Van Caeneghem an, nou konprann ke Baluba yo te lapriyè 3 kalite Pouvwa diven, ki gen Bondye Kreyatè a ladan l
"Gen twa pouvwa sinatirèl ke Nwa Luba a onore pou l ka jwenn favè yo:
1° Bondye, sous premye ak papa fondamantal tout fòs lavi a. Baluba yo lapriyè Bondye espesyalman lè lòt fòs espirityèl yo sanble pa disponib, pa efikas oswa kont yo ;
2° Lespri zansèt yo, bakishi yo, papa metafizik natirèl de branch ki soti nan yo a, entèmedyè tabli pa Bondye ant Limenm ak jenerasyon k ap viv kounye a nan mond vizib la ;
3° Move zak majik yo oswa manga mapaka, ki pèmèt yo jwenn èd fòs lavi ki pi ba yo : bèt, legim, mineral, ke Bondye kreye pou byen fòs lavi ki nan moun. Buanga a aji pa enfliyans bakishi-zansèt yo, ki sipoze bay li kay. Epitou, pouvwa sa tabli pa Bondye kòm yon entèmedyè ant Limenm ak moun
."
(Trad.) (60)
Epi lapriyè ke yo fè pou 3 Fòs espirityèl sa yo, yo pa eksklizif, kidonk yo pa fèt san gen melanj :
"Chak nan twa pouvwa sinatirèl sa yo, yo onore yo ak lapriyè ansanm ak sèvis planifye. Sèvis pou yonn pa eskli adorasyon pou yon lòt, twa kilt sa yo anjeneral ale men nan men epi yo jwenn sous nan menm ideoloji a. Lapriyè pou onore Bondye ka fini ak yon envokasyon pou lespri yo. Envokasyon pou zansèt yo mele ak lwanj pou Bondye, ki se sous lavi lespri sa yo tou." (Trad.) (61)
Toujou dapre Van Caeneghem, nan tradisyon Baluba a, yo te envoke Bondye Kreyatè a nan twa okazyon espesyal :
"1. Nan ka detrès, ka maladi oswa nan lanmò. 2. Lè y ap fè gwo majik pou atake zòt ; 3. Pou diminye move efè yon sèman, kutshipulula a." (Trad.) (62)
An reyalite, lapriyè pou Bondye te menm obligatwa lè y ap prepare majik tchak, tankou sila yo Makandal te konn fè :
"Envokasyon pou zansèt yo mele ak lwanj pou Bondye, ki se sous lavi lespri sa yo tou. Fabrikasyon gwo majik pou atake zòt yo, kòmanse ak yon lapriyè pou Bondye, ki se sous fòs lavi yo, menm jan ak pa majik pou atak yo. Adorasyon pou Bondye pa eskli adorasyon pou bakishi yo ak pou buanga a, ni alenvèrs. Nou ka di ke sèvis pou zansèt yo pa eskli sèvis pou Bondye. Men sa pa vle di ke lespri yo ak majik pou atake yo jwenn menm adorasyon akoz de depandans yo anvè Bondye ; anfèt, yo jwenn adorasyon antanke pouvwa apa ki ekzèse pwisans yo ak tout libète epi jan yo pi pito, men Bondye fè yo epi fè yo aji yon jan senp, pou yo al ede lamizè moun epi yo jwenn pouvwa yo kareman de Li." (Trad.) (63)
Baluba yo ofri anpil lapriyè bay Bondye pandan y ap fabrike majik yo. Yonn nan lapriyè sa yo se :
"Bondye nan syèl la, Seyè, Èt Siprèm,
Solèy ke yo pa ka fikse. Sila ki gade li, reyon l yo ap boule l. Kapongo, Mèt moun. Mèt nou, Tshitebwa Mukana,
Bondye, ki gen Fòs la. Bondye Mèt tout bagay,
Bondye, abit ak jij, Wou ki gen lapè nan wou menm, Andedan w tankou deyò w (trankil).
Ilunga Mbidi,
Wou ki bay chemen pou n swiv la. Wou Bondye ki gen Fòs la,
Èt Siprèm. Sila ki pa vle byen moun.
Sila ki di: Moun pa bon (= jalou a), Ke van pote l ale." (Trad.) (64)
E kanta pou itilizasyon mo "alla" a oswa Allah, nan lapriyè Makandal la, li mache ak pratik Baluba yo ki vle ke Nganga a oswa majisyen an lonmen plis non Bondye ki posib pandan l ap fè objè majik li yo :
"Fabrikasyon gwo majik pou atake zòt yo, kòmanse ak yon lapriyè pou Bondye, ki se sous fòs lavi yo, menm jan ak pa majik pou atak yo. (...) Konmansman envokasyon an solanèl ; Yo bay prèske tout bonjan non Bondye, sa y ap fè demann pou li a gen anpil enpòtans." (Trad.) (65)
Kidonk, nan lapriyè Makandal yo, non Allah, Bondye oubyen Senyè Jezikri te site ansanm ak anpil lòt non tankou Vidye ak Maweja Nangila. Sepandan, jij Courtin ki pa t konnen anyen de relijyon Baluba yo, pa t ka rekonèt non Vidye oswa Maweja Nangila, nan lapriyè Makandal la, jan li ta ka fè l pou "Allah", ke li te idantifye kòm Bondye Tirk yo. 

5.2 - Lapriyè Bondye ak non Makandal la

La nou gen kèk lapriyè ke Baluba yo konn fè pou Bondye. Se etonan ke mo "makanda" a parèt nan lapriyè sa yo :  

"Múlópò Máwéjá Nángilá : Dieu, Être Suprême,
Wâtùpâ mákàndà múbidi ; : Donnez à notre corps la santé ;
Bâná bànyi bàsángá : Que mes enfants soient heureux.
Wêwé upèlé : Vous qui donnez
Éú tshièndè, éú tshiéndé. : A chacun le sien." (66)
Tradiksyon :
"Múlópò Máwéjá Nángilá : Bondye, Èt Siprèm,
Wâtùpâ mákàndà múbidi ; : Bay kò nou sante ;
Bâná bànyi bàsángálè : Bay pitit mwen yo kè kontan.
Wéwé upèlé : Wou ki bay
Éú tshièndè, éş tshiéndé. : Chak moun kina li."
Nan lapriyè sila, ke yon manman voye bay Bondye, "makanda" vle di "sante kò". Men, èske se te la non Franswa Makandal la soti? Lakay Baluba yo, mo "Makanda" a pa vle di "Fanmi", tankou sa ye lakay Bakongo yo. Ni li pa vle di "Klan" tou, ni "plant pou fè remèd", ni menm "pwoteksyon majik". Nan kilti Luba a, "Mákàndà" se sinonim (kidonk, li vle di menm bagay) ak "Bukolé", ki vle di "Fòs fizik" :

"Bukole et makanda désignent la force physique. Il ne suffit pas d'avoir la vie. Il faut la manifester par sa capacité d'abattre les arbres et de défricher le champ. Les Baluba désirent une vie forte. Lorsque les Baluba se rencontrent, ils s'adressent..." (67)
Tradiksyon :
"Bukole ak makanda vle di fòs fizik. Sa pa ase pou n gen lavi. Nou dwe manifeste l nan kapasite pou n koupe pyebwa epi sekle chan. Baluba yo vle yon lavi ki gen fòs. Lè Baluba yo rankontre yonn ak lòt, yo adrese..."
Mákàndà oswa Bukolé, ki vle di "fòs fizik", okipe yon plas espesyal nan mantalite Baluba yo. Paske fòs fizik mache dirèk ak lavi, ke yo rele "Moyo" **** :

"Moyo, ce petit mot résume toutes les espérances du Muluba. Son "attente" profonde. Kuikala ne moyo: vivre, être vivant; kuikala ne makanda ou kuikala ne bukole : avoir la force, être fort, autant d'expression qui traduisent une idée : vivre." (68)
Tradiksyon :
"Moyo, ti mo sila rezime esperans Muluba a. Pi gwo "atant" li. Kuikala ne moyo : viv, ye, oswa vivan, kuikala ne makanda oswa kuikala ne bukole : pran fòs, gen fòs, tout mo sa yo vle di yon sèl bagay : viv."
Kidonk, konsèp ki se Makanda oswa Bukolé a konsantre lide Baluba yo fè de lavi, ke yo vle yon lavi fizik aktif ki gen fòs ladan l. Se sa k fè, Makanda oswa Bukolé, se yon bagay ke yonn konn swete lòt, nan di bonjou. Menm jan ke li se yonn nan demann ke yo konn fè Divinite Siprèm an :
"Bèl priyè sila, sèvi pou montre lafwa Muluba a. Li konsantre atant li. Tout sa yon Muluba ka gen dezi ladan l : lavi (mooyo), fòs fizik (bukole) san li lavi a se yon lavi afebli. Kapasite fè timoun (...) Vin swiv yon dal lòt bagay : kabrit ak poul, lajan ak "tout kalite posesyon"." (Trad.) (69)
Makanda, (ki se pliryèl Dikàndá) vle di "pouvwa pèsonèl" tou :

"Lúlélú kâtùilá mákàndà. : Engendrer n'est pas une affaire de pouvoir personnel.
Àmú Múlópò wàkuélà mpèmbà. : (Cela réussit) seulement quand Dieu vous est favorable." (70)
Tradiksyon :
"Lúlélú kâtùilá mákàndà. : Fè timoun pa yon kesyon de pouvwa pèsonèl.
To Múlópò wàkuélà mpèmbà. : (Li reyisi) sèlman lè Bondye pran pou wou."
Konsa, nou ka konkli ke Baluba yo ki konn lonmen timoun yo Makanda paske yo te swete timoun yo grandi pou yo ka vin gen fòs fizik, pou yo ka an sante, epi pou timoun sa yo ka atenn pouvwa pèsonèl ke Bondye te sere pou yo a. Endividi nan tan Franswa Makandal yo, pami yo jij Courtin, te temwaye de fòs fizik li :
"Li [Makandal] te gen je klere, asirans, epi yon rega terib pou yon nèg, mouvman li rapid, deside, siperyè, jan yo pa janm wè nèg genyen, epi menmsi li te ase mens, li te ajil anpil e li te gen yon fòs fizik ki pa t òdinè." (Trad.) (71)
Dapre vizyon kilti Baluba a, Franswa Makandal te byen pote non li.


6- Majik Makandal la ak kina Baluba yo

Apa de non li, si Franswa Makandal te yon nganga oswa yon gangan ki gen orijin Luba toutbonvre, sa ta dwe parèt kanmenm nan pratik li yo. Enben, san nou pa pèdi tan, annou konpare pratik Baluba yo ak kina Makandal yo.
 

6.1- Bondye ak majik Wanga oswa Bwanga Makandal la

Nan Sendomeng, Ouanga oswa Wanga te vle di madichonnen ak majik, menm jan ke li te vle di pwazon ke Makandal te abitye simaye yo :
"Pwazon an, ki depi ven lane te fatal pou si tèlman endividi nan zonn Okap yo, se pa ak fèy yo te fè yo; li pa yon sekrè, yon majik (Ouanga) jan pèp nan koloni a kwè l, nan estipid." (Trad.) (72)
Jij Sébastien Courtin, tankou kolon ak kaptif (esklav) nan Sendomeng yo, te jwenn konfizyon nan idantite doub mo "Ouanga" oswa "Wanga" a :
"Yo mete Makandal la [objè majik la] ki chaje ak madichon anba yon gwo wòch, e pa gen okenn dout ke sa voye move chans sou sila yo vle a. Sepandan, li pa t kwè ke sa ta p bay li lanmò oswa fè li rete sou kabann, men sa ap fè yo rayi li, fè yo blese l epi ba li tout kalite malè. Men, pou fè kò yo kraze, yo dwe, dapre ekspresyon yo, pwoche li, sa ki vle di fè li pran ouanga oswa pwazon, ki se sinonim (kidonk ki vle di menm bagay) pou sila yo ke nou te kesyonnen yo." (Trad.) (73)
Nan kilti Luba, yo rele "Bwanga" (Buanga) oswa "Waanga" (74) objè ki sèvi pou pwoteksyon majik (grigri) oswa pou bay kout majik ; kit objè sa yo pou defans, kit yo pou atak :
"Yon dezyèm okazyon espesyal nan envoke Bondye se lè y ap fabrike gwo majik dyòk yo, pami yo nou ka lonmen:
a) Buanga hua Tshibola a, ke yo rele tou Buanga hua Mbombo, oswa Tshizaba. Se yon majik popilè ki pwoteje nan akouchman ak pou leve timoun san pwoblèm.
b) Buanga hua Lubanza a, yon majik dyòk renome pou pwoteje kay, lakou, viwonn an ak tout posesyon patènèl yo.
c) Tshiabu a, ki jwe menm wòl ke
nou te dekri anvan an, lakay pèp Bena Lulua a, ak lakay baLuba yo.
Nou pa bezwen tanmen okenn etid sou buanga nèg : nou dwe sepandan okouran de wòl patikilyèman enpòtan ke majik pou pwoteksyon sa yo jwe nan lavi prive ak sosyal chak Nwa. Lafwa yo nan Buanga a se rezilta konsepsyon espesyal yo de èt-fòs yo ak lwa ontolojik yo ke yo sipoze gouvène yo, osi byen ke kwayans yo nan enfliyans metafizik mò yo sou mond vivan yo." (Trad.) (75)
Kidonk, pa gen okenn dout ke pratik majik "Wanga" Makandal la te soti nan zòn tradisyonèl Luba a, kote "Bwanga" oswa "Waanga" te non majik pa yo, ke Bakongo yo te rele Nkisi
 

6.2- Pakèt majik Makandal ak Baluba yo

Entèwogasyon Makandal la te devwale ke li te sèvi ak "gadkò", ki te fèt ak engredyan majik (zòsman moun, kwa, dlo benit, elatriye) ki te mare ansanm pou fè pakèt, ke yo te sispèk te konn lakòz lanmò :
"Prèske tout nèg yo gen gadkò, tankou kèk moso koton ke yon majisyen vann yo byen chè oswa lòt zafè pa chè ki pou kont yo san danje, men ki danjere paske li se yon premye pa nan pwofanasyon, sakrilèj ak anpwazònman.
Dezyèm espès gadkò yo e se sila yo ke yo konsidere kòm pratik majik, yo kache yo ak anpil swen, se yon pakèt ki fèt nan sekrè ak zo nan simityè, klou ak rasin pile." (Trad.) (76)
Me ke majisyen Baluba yo, menm jan ak Makandal, te konn itilize pakèt oswa sache ki te plen ak poud, ak zo mò, pou yo te vide lanmò sou zòt. Colle, yon misyonè Bèlj, temwaye de sa :
"Yo sèvi ak dan koulèv sa ak reverans nan kèk fòmil majik. Majisyen an melanje yo nan poud wouj, ak zòsman moun. Yo mete tout bagay la nan ti sache ki fèt ak kòs bwa figye, ki se yon bagay natif natal yo itilize pou limen dife. Nan kwayans popilè yo, si yo mete sache n ap pale de li a nan yon objè, moun ki resevwa l la dwe mouri kèk tan apre li te pran posesyon l. (...) Yo jwenn sache sa yo swa nan men majisyen pwofesyonèl la, natirèlman pou yon monnen, swa lakay majisyen sèk Bagabo a, epitou lakay Baka-zanzi a, yo te ban m asirans." (Trad.) (77)
Chèchè Kongolè, TKM Buakasa, konfime lizay zo moun nan majik pèp yo rele Bantou yo, ke Balouba yo se yonn nan yo :
"Antanke yon objè, li [bwanga a oswa waanga] kapab yon koki kalmason; zong bèt oswa moun;  yon estati, zèb, plant oswa rasin; wòch, tè, elatriye." (Trad.) (78)
Majik ak mò kay Baluba yo swiv lojik sila :
"Nan tout remèd ke Baluba yo rele mikisi mihake, sa ki vle di nan tout bout bwa, fetich, fwi, kòn, ensèk boure ak pat epi lòt engredyan, gen yon bagay ki soti nan moun. Pifò tan sa soti nan yon kadav, raman, tankou nan ngonze gran chèf Balungu yo, sa te soti nan yon vivan ki inisye deja. Men, dwe gen, li sanble, yon bagay ki soti nan moun pou bay yon bwanga buhake fòs : zo, zong, chèr, san, cheve, krache, menm poupou. Fòs bwanga a soti nan lav yon mò, ki vin konsa domestik moun ki posede yon remèd majik, epi san limenm remèd la pa gen okenn valè; trè raman, kòm se te ka a pou "ngonze" se sèlman yon inisye espesyal ki transmèt remèd la fòs majik li, lè li mete kèk bagay de limenm ladan l, krache, pipi, elatriye, oswa menm yon ti kras nan san li." (Trad.) (79)
Ki fè, majik espesyal Baluba yo eksplike byen eksplike majik ak mò Franswa Makandal la.

6.3- Makandal, Baluba yo, ak chapo granmoun yo

Makandal te abitye montre fòs pakèt li yo ki te pote non l, "Makandal". Li te konn mete pakèt yo nan yon chapo envèse sou tèt fidèl li yo. E se sèlman gwo majisyen ankou limenm ki te kapab fè "gadkò" yo bouje :
"Fò w yon gwo majisyen anpil pou w gen pouvwa fè li bouje nan chapo envèse sou tèt la, epi gen lè ke se sèlman Franswa Makandal la, oswa pou plis de ou twa elèv favori li yo ki gen privilèj sila." (Trad.) (80) 
Apa de fè "gadkò" a bouje, Franswa Makandal ak konplis li yo te itilize yon chapo nan reyinyon yo ki rezève pou pi gwo ofisyan yo :
"Pi gran bòkò a di li : “Grand monde, mettez le chapeau sur votre tête." ["Granmoun, mete chapo a sou tèt ou."] Gran majisyen fanm an leve pakèt la dousman epi li mete chapo envèse a sou tèt li. La yo voye madichon sou blan yo ansanm ak nèg ki pa inisye yo. Yo fè sote anlè ki pi vyolan yo pandan y ap danse alantou makandal yo." (Trad.) (81)
Itilizasyon chapo envèse a konsève nan rityèl ayisyen an, tankou foto sila, de yon tradisyonalis ayisyen k ap pale pawòl li ak Lespri a :

(Tradisyonalis ayisyen k ap priye ak chapo vire a)
Sous : Anonim. In : "Prières Vaudou : Prière-invocation pour la guérison d'un enfant et Feuilles-O." ; [anliy] URL : http://castonguayfaithatheism.blogspot.ca/2015/11/prieres-vaudou-priere-invocation-pour.html ; poste nan dat 11 me 2015 ; Vizite nan jounen 19 jiyè 2015.

Sa se yon "Grand monde", dapre tèks jij Courtin an, kidonk yon Granmoun, nan kreyòl ayisyen modèrn an. Granmoun vle di moun ki gen laj anpil. Men, nan sans mistik, Granmoun refere a yon moun ki gen laj pa inisyasyon li. Nan sosyete mistik Baluba yo, lisay chapo "granmoun lontan" yo, te fèt menm jan ak pratik konplis Makandal yo, pou montre gwo ofisyan yo :

"[Ils] lui attachent aux reins des peaux de bête (sempele), lui fixent sur la tête le chapeau de sorcier (nkaka)." (82)
Tradiksyon :
"[Yo] mare po bèt (sempele) nan ren l, yo mete chapo majisyen an (nkaka) sou tèt li."
Chapo yo rele Nkaka sila, li vle di "Granparan" nan lang Kikongo (Kaakù nan lang Ciluba) :

"GRANDPARENT, great, n., nkaka." (83)
Tradiksyon :
"GRANPARAN, gran, n., Nkaka."
Men, resanblans ki genyen ant chapo Makandalis yo ak pa gran sèvitè Baluba yo, pa rete la. Menm jan ak pratik Makandal yo, Baluba yo te konn mete engredyan majik (tankou zo) nan chapo yo :
"Nan yon kòn Kasya (gazèl) yo mete yon zo moun ak pat majik nwa tankou pa Kilambo a; yon bann won ak vye ranyon ke yo fèmen ouvèti li, sou bann won sa a, yo trese yon jan de ti chapo. Yo mete kòn sila nan kou. Si yo deranje rekòt [zòt], nan lannwit, yo pral sispann bwanga a nan jaden manyòk la, nan mayi a, elatriye. Li dwe sèk." (Trad.) (84)
Majik Baluba sila, yo te anjeneral mete nan yon objè ki ale sou tèt, tankou se te ka a nan Sendomeng ; pou rezon de ne vital :
"Antanke tèl, yon fetich kapab yon objè ak yon fòm reseptak [kidonk nan fòm ki gen fon] ki la pou resevwa lòt konpozan oswa engredyan, ke yo chwazi dapre kategori fetich la epi, pètèt tou dapre kote a, jan ka temwanye, nan Zayir, fetich pèp Teke, Lari, Yaka, Luba, Nkamu ak Dikidi, kote rezin oswa tè pi itilize. Nan ka sa, y ap mete reseptak la nan lèstomak, nan lonbrik, nan do, anwo (tèt), kidonk, nan kote yo konsidere tankou ne vital, sant gravite fòs vital moun. Anplis de engredyan ke yo mete nan reseptak la, aparans fetich la ka ogmante ak yon dal objè tout kalite." (Trad.) (85)
Majik Makandalis yo ak kina Baluba yo mache byen ansanm. Yo mache twò byen ansanm pou sa te jis rive pa chans.



7- Makandal ak mo majik yo

Pandan li t ap dekri itilizasyon chapo gran ofisyan yo, jij Sebastien Courtin te revele yon chante Makandalis yo ki genyen kèk mo li pa konpwann :
"Yo sèvi tou ak makandal la, lè yo konsilte l oswa menm nan yon senp jwèt, lè yo fè l bouje nan chapo envèse sou tèt la pandan y ap chante an kreyòl, chante sa :

ouaie, ouaie, Mayangangué (bis)
zanmi, moin mourir
moi aller mourir 
ouaie, ouaie, Mayangangué." (Trad.) (86)
Nan chante sa, gen 2 mo pou nou konsidere : a) "Ouaie" ak an) "Mayangangué". 2 mo sa yo, èske yo ta prèv ke Franswa Makandal te soti nan gwoup etnik Luba a?

7.1- Ouaie

Siyifikasyon "Ouaie" chape jij Kourtin ki avwe l :
"Ouaie se yon mo misterye, ke se sèl pi gran majisyen yo ki konnen sa l vle di. Nou poko konnen ni sans dirèk li, ni sans senbolik li." (Trad.) (87)
Ki kote "Ouaie" soti? Dapre istoryen David Geggus, "Ouaie" ta soti nan "Wáayi", yon mo Kongo ki vle di "Esklav". (88) Men, Geggus twonpe l sou sa. Paske "Ouaie", mo sila ki se yon mistèr pou jij Courtin ak chèchè etranje yo, li sepandan yon mo òdinè pou Ayisyen yo anjeneral. "Ouaie" oswa "Way", jan yo di nan Kreyòl modèrn, li se yon mo ki montre yon sipriz, sitou yon move kè sote. "Ouaie" senbolize gwo rèl ki vini anjeneral ak lanmò yon moun pwòch. Se poutèt sa, mo sa trouve l nan chante Makandalis yo. Paske chante a te yon chante rèl pou lanmò. Tradiksyon li nan Kreyòl modèrn bay sa :


way, way, Mayangangué (bis)
zanmi mwen mouri
mwen prale mouri
way, way, Mayangangué.

Si nou mande si "Ouaie" oswa "Way" soti nan kilti Luba, repons la kategorik. E se non. Yonn nan endis de orijin "Way" chita nan lefèt ke Ayisyen asosye "Way" ak Gede, yon Lwa, Jany, oswa Lespri lanmò. E Lwa Gede pa soti Kongo ou menm pa nan "Lafrik" Santral. Gede soti nan peyi Benen, nan "Lafrik" De Lwès.
"Ouaie" oswa "Way" soti nan kilt Gede, Lespri prensipal pèp Gedevi nan ansyen Wayòm Dawomen an. Kidonk, peyi yo rele Benen jodiya. Anfèt, pèp Gedevi a, ke non li vle di "Pitit Gede", te rete nan teritwa sa anvan konkèt pèp Fon oswa Adja a, ki vin bati Wayòm yo rele Dawomen an.
"Ghedèvi se non tribi prensipal yo ki okipe plato Abomey a lè Aladahonou yo te rive la, yo ki fondatè Danhome." (Trad.) (89)
Apre yo te konkeri yo, Ghedèvi yo ke yo pa t egzile, te vin espesyalize yo nan metye fòswayè. E se de la rit lanmò Gede a soti nan Sendomeng. Majik travay ak mò yo a (ki menm jan ak majik Luba Makandal la), pèp ki te konkeri Ghedèvi yo pa t vle wè sa menm :
"Nan premye tan Wayòm Dahomen an, ghedèvi yo, tribi natif natal la, te abitye antere mò yo apre yo te separe tèt yo de kò yo. Wa Ouègbadja (disetyèm syèk) te entèdi yo sa nan yon objektif ki sanble enterese lapolis peyi a olye de relijyon. Listwa di ke goumen pete dri paske fòswayè yo, konn detere tèt mo yo pou fè cham ak yo. Entèdiksyon pou dekoupe tèt kadav yo te sètènman popilè anpil, jije pa lwanj yo bay Ouègbadja : "Wa a te achte tèt nou sou kou nou," Dawomeyen yo toujou kontinye chante nan fèt yo.
Sepandan, pou anpeche okenn mitilasyon ak plis asirans, nan chak vilaj Ouègbadja te kreye "dokpègan", yon sòt de ajan fineray. Misyon yo te verifye lanmò yo ansanm ak sekirite lantèman yo. Sèvis yo te prèske gratis : wa a, ki te vle elimine tout abi ki te ka soti nan machandaj ak fòswayè yo, te sèlman pèmèt dokpègan yo retire yon rad twal ak kèk [kokiyaj] kori nan kado ki te bay nan lantèman yo." (Trad.) (90)
"Ouaie, ouaie" rete nan rityèl ayisyen an tankou yon rèl nan nen (pou dèy ak seksyalite) ki anblèm fanmi Lwa Gede yo. Lwa Gede sa yo, ki gwo fanatik "tafya", yo gen Gedevi kòm yonn nan Lwa yo. Menm apre endepandans Ayiti a, rèl sila dire antanke eritaj fòswayè Ghedevi ki te soti Dawome yo :
"Dezyèm istwa. Yon sèten Lèghèdè [non ki rete nan Kreyòl ayisyen an] Tonikèzè ki moun Adankpodji, te vin mouri. Fòswayè ki antere l yo te vòlè rad twal li yo ak tafya li, olye yo depoze yo bò kavo a. Yo te pote tafya a [non ki rete nan Kreyòl ayisyen an] lakay yon sèten Bôgnon Kèdè, ki te malad grav anpil, epi yo te vann li kòm yon bon remèd. Men, apèn Bôgnon te bwè kèk gòje li rele "Ouê! hê!" epi li mouri. Nan menm moman an fòswayè yo rele "Ouê! hê!" tou epi yo mouri. Bôgnon resisite nan demen, lè yo te pare pou antere l. "Mwen te wè wa Kpëngla nan peyi mò yo, li te di. Li te mete fòswayè yo nan prizon, paske kondwit yo anvè Lèghèdè yo te fè l fache anpil." (Trad.) (91)
Me ki fòm tradiksyon, an pati, de chante Makandalis yo pran :


way, way, (ki soti nan "ouè hê!" rèl lapenn fòswayè Ghedèvi yo) Mayangangué (bis)
zanmi mwen mouri
mwen prale mouri
way, way, Mayangangué.*****

Kidonk, kòm ye te konkeri epi vann yo nan esklavaj, Gedevi yo te anpil nan koloni nan Lamerik yo, ak nan koloni Sendomeng, ki tounen Ayiti. Yo te mennen rityèl travay ak mò Gede a avèk yo. E sa pa t pran anpil tan pou travayè ak mò Gedevi yo te kwaze travayè ak mò Baluba yo, pandan yo t ap fè wonn lannwit, nan viwonn simityè yo, nan koloni Sendomeng. Etandone resanblans ki genyen ant kilti 2 gwoup etnik sa yo, yon melanj Gedevi-Baluba te rive natirèlman. Tradisyon ayisyen an konsève de melanj rit sa, ke Gede, Lwa lanmò a, te vin adopte oswa entegre nan kilti Kongo a, (92) ki gen Baluba yo ladan l. Pwiske teknikman, Baluba yo soti nan teritwa Kongo.

Pi plis pase yon ipotèz, tèks jij Sebastien Courtin an gen yon foul prèv de melanj rit Gedevi-Baluba sila ; me yo :
  • Brigitte, madanm Makandal la, ki, tankou mari li, te mouri boule nan lane 1758, li te tounen Grann Brijit oswa Manman Brijit, Lwa/Jany lanmò a, Mètrès Simityè yo, nan rit Gede a.
  • Tout Makandalis yo te adore Charlot (Chalo) ke yo te plase dirèkteman apre Bondye. Charlot te non fetich yo ki te vini nan 2 gwosè : (le Grand Charlot) Gwo Chalo a te rezève pou zotobre relijye yo sèlman, pandan ke (le Petit Charlot) Ti Chalo a te aksesib pou piblik la ke yo te vann li. E jouk jounen jodiya, Ti Chalo (Petit Charlot) rete yon Lwa oswa yon Jany nan fanmi Lwa Gede yo.
  • Finalman, jij Courtin te ekri ke manje yo te ofri fetich "Macandals" yo te "poul bouyi ak diri, lanmori, tafya." (Trad.) (93) E jiskaprezan, lanmori ak tafya se manje Lwa Gede ak Grann Brijit pi renmen. Paske, dapre tèks A. Le Hérissé, nan Dawomen, tafya se yon mo dawomeyen oswa fongbe ki vle di kleren oswa alkòl fò, ke fòswayè Gedevi yo te apresye anpil : "Fòswayè ki antere l yo te vòlè rad twal li yo ak tafya li, olye yo depoze yo bò kavo a.". (Trad.) (94)
Te gen yon alyans Gedevi-Baluba sou baz majik ak relijyon. Yon prèv iltim de sa chita nan egzistans  Lwa/Jany Gede Mazaka. Me yonn nan vèvè (desen rityèl) li :

(Vèvè Gede Mazaka)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.337.

Non yo di Gede "Mazaka" an Kreyòl la, li soti nan lang Ciluba, kote "Madyaka" vle di "saf, ava". (Trad.) (95) Baluba yo te bay non "Mwena madyaka", yon "papa oswa tonton ki kenbe dòt [kidonk kòb maryaj] yo bay pitit fi li oswa nyès li, pandan ke dòt sa ta dwe sèvi pou jwenn yon madanm pou pitit gason li oswa pou yon lòt manm nan fanmi li". (Trad.) (96) Konpòteman "ava" sa mache ak karaktè plizyè Gede, e yonn nan yo se Gede Mazaka, ki se yon gadyen simityè androjin (kidonk ki fi, e ki gason).

(Drapo ki montre Mazaka k ap fonksyone)
Sous : "Mazaka" Joseph Silva ; NCSU Librairies. Design Library Image Collection. URL : http://images.lib.ncsu.edu/luna/servlet/detail/NCSULIB~1~1~100926~169976?qvq=w4s:/when/Caribbean;sort:WORKTITLE,AGENTSORTNAME,IMAGEID,TITLETEXT;lc:NCSULIB~1~1,NCSULIB~2~2&mi=4&trs=11

Konsa, Lwa/Jany Lanmò etni Luba a, ki se Mazaka, alyas Mazaka Lakwa (nou pa dwe konfonn li ak Lwa/Jany agrikilti a ki se Azaka, alyas Kouzen Zaka, ki limenm soti Savalou nan peyi Benen). E Mazaka, tankou fòswayè Ghedèvi nan Dawome yo, te abitye pran nan ofrann yo mete pou moun ki mouri yo. (97) Se poutèt sa, nan Sendomeng/Ayiti, Mazaka (kit li fi, kit li gason), nan makònen ak tradisyon Gedevi yo, vin bay Gede Mazaka.
Epi, se sa ki orijin mo Ouaie oswa Way la. Konnye a, ann gade pou mo "Mayangangué" a.

7.2- Mayangangué

Diksyonè Ciluba (98) revele ke "Mayangangué" se pa yon sèl grenn mo, jan te panse jij Courtin ki pa pale Ciluba oswa yon lòt lang de pèp yo rele Bantou yo. "Mayangangué" se aktyèlman yon fraz ki fèt ak 3 mo : "Manya Ngàngà Wê".
  1. Manya vle di "Konnen", "Konesans", "Panse oswa Kwè".
  2. Ngàngà vle di "Gerisè". 
  3. vle di "E".
Konsa, "Mayangangué", nan lang pèp Baluba a, dekoupe an "Manya Ngàngà Wê", ki vle di : "Konnen Gerisè a E" oswa "Mete Konfyans nou nan Gerisè a E". Se yon fason pou di : Al wè yon Nganga oswa Gerisè/Majisyen, ki se gangan nan rityèl ayisyen an.

Sa vle di, chante Makandal ak kòlèg li yo te di konsa, nan Kreyòl modèrn :


Way, way ("ouè hê!" rèl lapenn nan lanmò) Mayangangwe (Konnen Gerisè a e) (bis)
zanmi mwen mouri
Mwen prale mouri
way, way, Mayangangwe (Konnen Gerisè a e).

Chante ibrid sila (kidonk ki mwatye "Afriken" oswa "langaj", mwatye Kreyòl), yo jwenn li tou tan nan relijyon tradisyonèl ayisyen an. Li senbolize yon sentèz (kidonk yon melanj ki byen mache) ant gwoup etnik Dawome (Ghedèvi) a + Kongo (Baluba) a. E melanj solid sa te deja byen etabli nan epòk Franswa Makandal la. Chante ibrid sila ke Courtin te ekri sou li nan lane 1758 la, kidonk 33 lane anvan seremoni Bwa Kayiman an ak levekanpe jeneral mwa dawou 1791 la, li demanti Ayisyen ki renmen souke drapo yo. Ayisyen mal enfòme sa yo fè konprann ke kaptif (esklav) nan Sendomeng yo te divize fizikman, lengwistikman ak espirityèlman, e ke se nan seremoni Bwa Kayiman an, yo te kreye lang kreyòl la ak relijyon tradisyonèl la, pou yo te ka ini.


8- Franswa Makandal ak pwazon Luba yo

Menmsi agiman ke nou te sòt montre la yo parèt konvenkan vre. Men yo rete enkonplè si nou pa jwenn nan kilti Baluba yo, zak simen pwazon an ki te fè popilarite Franswa Makandal. Dokiman yo sipòte agiman nou yo. Paske pwazon, ki te pi bon zouti Franswa Makandal nan bay pinisyon, Baluba yo te sèvi ak li tou pini : a) vòl (ke yo pa kenbe akize a pandan zak la) ; ak an) bay madichon nan majik. 

a) Akizasyon vòl (ke yo pa kenbe akize a pandan zak la)
"Apre anpil akizasyon, ankèt preliminè a menen souvan a tès pwazon an, ke yon majisyen volontè oswa yo peye l, ofri moun yo akize a.
Akizasyon vòl, pa egzanp, prèske toujou swiv pa tès pwazon. Mwen sonje yon zafè ki te rive nan premye jou m te rive nan peyi a. Nou te la depi senk a sis jou ; nou te plante tant nou nan lakou chèf la, ki te la pou kont li ak madanm li yo; tout pèp li a t ap viv tanporèman nan jaden yo. Yonn nan fanm yo te responsab bout fè yo. Yon jou, chèf la te vle al pran yon bout fè, men…, tout rezèv provizyon an te disparèt. San ezitasyon li te di fanm an : "Ou vòlè". — "Non," reponn lòt la; mwen mande tès pwazon an".
Menm lè a yon lòt fanm prepare pwazon an. Li ale devan Pungwe, fetich pwotektè chèf la, ki apiye kont yon pyebwa. La li prepare l sou dife a ak kal bwa mwavi ke li bouyi.
Sa bouyi. Li koule l. Pwazon an pare. Sa te pase trè vit." (Trad.) (99)
Akize ki vomi pwazon an, y ap deklare l inosan epi y ap ba li rekonpans. Men, si l koupab, li pa p chape.

an) Akizasyon bay madichon nan majik :
"Yo bay tès pwazon an plizyè fason (...) pa egzanp, kont yon nonm yo akize de bay madichon nan majik.
Preparatè ofisyèl pwazon an rive abiye ak rad li pou sikonstans la (...) akize a koupi la, men li mare dèyè do l, li prèske toutouni, epi vle pa vle, li dwe ede nan operasyon preparatè a. Li [preparatè a] kraze ak pil kal wouj pyebwa pwazon an, epi lage moso kase yo nan yon kwiy dlo bouyi; lè likid la vin koulè li vle a, li koule l, epi li prezante l bay pasyan an. Malere a dwe vale yon bon lit nan likid tris sa; apre sa, yo ba li anpil dlo cho. Si li ka rann pwazon an, jan nou konnen, akizasyon kont li a pa vre; majisyen ki fè akizasyon an dwe fè sa pi vit posib paske fanmi viktim nan gen dwa rache l nan mitan aktivite a; akize a ap resevwa peman nan men fanmi lòt kan an, de esklav oswa ekivalan an nan bèl grenn pèl ak twal. Si li pa ka vomi sa l te bwè a vit ase, e se ka a nòmalman, kò l tonbe sou limenm, prèv evidan ke li koupab. Nan moman sa, paran defen yo te bay majik la prese sou "koupab" la, koupe tèt li, epi bra l ak pye l, apre sa yo jete manm li nan yon gwo boukan dife pandan y ap bat toujou; yo aji konsa pou ke yo detwi malfektè sa konplètman. Pi souvan, gen yon kannibal ki achte kò yo koupe an moso a epi li pote l pou fèt k ap vini a, kote ansanm ak kanmarad li, yo pral devore vyann yo, kalsinen tout dènyè ti moso yo pa manje yo, pandan yo kenbe sèlman zòsman yo ak zo tèt la pou yo fè fetich ak pwoteksyon majik yo." (Trad.)
(100)
Jan pinisyon sa yo tchak nan peyi Luba yo, nou konprann poukisa, nan mwa janvye 1758, kaptif (esklav) yo pa t pran kraponnay pa lefètke yo te egzekite Makandal ak konplis li yo nan dife. Se sa k fè konplo pwazonè yo pa te sispann. Kolon franse yo, ki kwè yo te ka simaye kraponnay nan kè "Afriken" an akoz de espektak lanmò sila, pa t konnen ke nan peyi yo, "Afriken" sa yo (Baluba yo, epi pa ekstansyon, tout pèp Angola-Kongo yo), te konn kouri al gade jan de evènman sa yo :
"Apre sa, yo pran yon kal bwa mwavi, ke yo diminye an poud, epi yo lage l nan dlo bouyi a pou yo fè yon tizàn pete fyèl. La etan, yo ale nan rak bwa kote yo pote bòl la ak pwazon an. Anjeneral, yon foul moun swiv yo jouk nan plas jijman an. Ann ale avè yo." (Trad.) (101)
Olye yo te pè pinisyon franse yo, kaptif (esklav) Luba yo te jwenn yo mou. Pwiske lajistis lakay yo pa t gen parèy nan tchak. E pi fò move zak te pini pa mitilasyon (kidonk koupe moso nan kò yo), pa lanmò akonpànye pa dife. Epi pinisyon yo fini nan mete fanmi moun ki fè zak la nan esklavaj. (102) 
Konsa, lè Franswa Makandal simaye pwazon yo, sa te parèt tankou yon zak ekstraòdinè, e menm satanik pou kolon yo. Men sa te senpman lajistis nòmal pou Luba yo. Anplis, "pran pwazon an" oswa "pran yon wanga" pou yon moun, sa kontinye nan tradisyon ayisyen an. Sa rive ke, nan ka ekstrèm, gen moun ki mande majisyen fè yo bwè pwazon (Wanga). Kondisyon an se si moun ki mande bwè pwazon an inosan, li pral siviv. Lè sa a, koupab la ap peri (a distans), nan plas moun ki bwè pwazon an. Pratik sa, se yon defòmasyon de koutim Baluba a, kote pwazon an aji sèlman sou moun yo akize a, e ki bwè li. E inosans yon moun pa t kondane akizatè a amò. Li te sèlman oblije bay inosan an machandiz ak kado, pou repare tò li te lakòz li.


9- Makandal ak moralite Baluba yo

Franswa Makandal, èske li te gen moralite? Pou yon ti moman, n ap mete akote lefètke batay Makandal kont sistèm esklavaj la, se yon bon batay. Lè nou obsève ak ki fasilite Franswa Makandal ak kòlèg li yo gaye pwazon ki te afekte nwa ak blan nan koloni Sendomeng la, nou gen enpresyon ke Makandal pa t gen yon sans moral. Kòm nou gen prèv ke Franswa Makandal te soti nan nanchon Baluba, annou analize kòd moral pèp sila (si li gen kòd moral), paske sa ka pèmèt nou reponn kesyon nou te poze a.
Nou sezi anpil wè ke Baluba yo, yon pèp ki sanble mechan, tchak, e menm bosal, posede yon kòd espirityèl ak moral ki soti nan pwòp kilti yo :
"Nan tèks tradisyonèl yo, nou pral wè ke Muluba a finalman fonde moralite li sou otorite Bondye, ke li konsidere kòm Jij Siprèm, kòm sous tout otorite ak fondasyon tout lalwa. (...) Règ moral sa yo sanble pran karaktè obligatwa yo nan yon konn fè byen ke tout gwoup genyen lakay yo... Tout sa se vre, men sa pa reponn tout kesyon an. Moralite gwoup, moralite ki baze sou estrikti sosyal gwoup, moralite chak grenn moun, tout chita sou yon baz ki pi solid, ki pi fon, sou yon baz ki inik : relijyon natif natal Muluba a." (Trad.) (103)
Kòd moral Baluba sila, ke tout gwoup la te respekte, li baze esansyèlman sou 5 kòmandman Bondye :
"Nan yon istwa, Bondye bay moun senk kòmandman sa yo, atravè yon nonm pòv
  1. Pa touye pyès moun ki soti nan Bende pou okenn rezon.
  2. Pa fè adiltè.
  3. Pa chèche pran madanm lòt moun.
  4. Pa vyole okenn entèdiksyon.
  5. Yon nonm ki tou senpleman ap pase sou wout la e ki pa gen okenn komèz la pa mande l pou yon garanti." (Trad.) (104)
Premye nan kòmandman diven Baluba sa yo, se pou pa touye pyès moun san rezon. Kidonk, Franswa Makandal pa ta dwe santi okenn enkyetid moral oswa relijye nan pwazonnen nenpòt eleman ki t ap sipòte kontinyasyon sistèm jenosidè a ki te anplas nan koloni Sendomeng la.

9.1- Makandal ak jijman dènyè Baluba yo

Anplis de kòmandman pou jere lavi yo, Baluba yo kwè nan jijman apre lanmò, sa ki vle di ke Bondye ap jije aksyon yo apre yo mouri. E se sèlman nanm ke yo jije gen merit yo (Bakishi Bimpe), akoz de byen yo te fè nan lavi yo, e ki pa t vyole kòmandman diven yo, ki pral gen aksè a Paradi zansèt yo oswa Vilaj ki gen Fig Dous yo.

(Chemen posib Nanm ki jije a ak Paradi a dapre Balouba yo)
Sous : J.A. Tiarko Fourche, Henri Morlighem. Une bible noire. Bruxelles, 1973. p.262.

Jijman final Baluba yo (ak lòt pèp yo rele Bantou yo) ap fèt nan Kafou ki nan Syèl la, Kafou Lavi ak Lanmò a, Kafou 4 Tèt la, ke chema sa reprezante :

(Chema Kafou Sakre a, dapre Balouba yo)
Sous : J.A. Tiarko Fourche, Henri Morlighem. Une bible noire. Bruxelles, 1973. p.208.  

Sepandan, lakay Baluba (ak Lulua) yo, Kafou a doub. Li nan syèl la pou jijman final la, epi li sou latè pou resevwa ofrann yo fè pou Lespri yo. (105) Baluba yo reprezante Kafou sou latè a konsa :
(Chema Kafou sou latè a, dapre Balouba yo)
Sous : J.A. Tiarko Fourche, Henri Morlighem. "Architecture et analogies des plans des mondes, d’après les conceptions des indigènes du Kasai et d’autres régions." In : Bulletin des séances. Bruxelles, 1938. pp.612-677. 

Nan koutim Baluba yo, senbòl Kafou a pran fòm "X" tou. "X" la sanble ak kwa Sen Andre a :
"Apati de la, yo tout ale nan kafou chemen yo. Avèk tè blan sakre a, yo trase sou figi yo yon mak ki gen fòm kwa Sen Andre..." (Trad.) (106)
Kafou sakre sa, yo rele l Kafou oswa Kalfou. Li se yon Lwa oswa Jany enpòtan nan relijyon zantray ayisyen an, kote yo konsève fonksyon doub li a : li selès (kidonk nan syèl la), ak terès (kidonk sou latè). Me yon vèvè (desen rityèl ayisyen) Lwa Kafou ki konbine senbòl selès la ak senbòl terès Kafou sakre Baluba yo :


(Vèvè Kafou nan relijyon zantray ayisyen an)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.192.

Chante sakre sila mansyone tou fonksyon doub Kafou ki enskri nan non yon Lwa

Kafou Tengendeng, mi wo, mi ba...

Sa a se yon diyalite (opozisyon) Syèl - Latè, Anwo - Anba, ki make nan non Lwa/Jany Kafou Louvenmba, Mavangou Loupenmba, Penmba Loupenmba, Loupenmba Penmba Kita, Zila Loupenmba, Zila Penmba, Zile Penmba elatriye. Non sila soti nan mo Kongo ki se Luvemba, Lupemba oswa Mpemba, e ki refere a tè koulè blan an ke yo itilize nan sèvis relijye yo. Lakay Kongo yo, Luvemba ansamn ak Kala fòme yon diyalite de Anwo ak Anba, Lavi ak Lanmò, Bon ak Move, sa ki Byen ak sa ki Mal, Grandi ak Febli, elatriye. Men, diyalite Kala-Luvemba a li pa t yon dyèl ki binè (kidonk ki pa gen anyen ki mache ant 2 eleman sa yo). Okontrè, diyalite sa te yon sik (kidonk yo wonn) kote yonn te konplete lòt. (107)
 
(Vèvè Kafou Louvenmba, nan relijyon zantray ayisyen an)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.201.

Konsa, aksyon Makandal yo, menmsi yo te parèt radikal, yo te nan amoni pafè ak komosgoni (kidonk vizyon mistik) Luba a. Paske, nan vizyon tradisyonalis Baluba yo, byen ak mal pa opoze san mande rete. Okontrè, 2 antite sa yo kominike kontinyèlman nan yon ekilib de fòs kosmik ke sistèm esklavaj la te debalanse. Kidonk, zak anpwazònman Makandal yo te vize pou restore ekilib kosmik la. E zak Makandal sa yo ke zòt blame, te louvri wout paradi zansèt yo pou li.
 

* Dikanda (sengilye mo Makanda a) antanke yon konsèp matriyakal (kidonk fanmi bò manman), antanke yon konsèp klanik (kidonk familyal) ak yon konsèp sosyal lakay Kongo yo (oswa lakay pèp Yombé a), li kite tras nan konsyans ayisyen an. Nan kilti Kongo a, yon moun ki pa gen yon lyen matriyakal pa gen anpil valè. Li se prèske ekivalan tèm kreyòl "san manman" an, ki deziyen yon endividi ki devalorize e ke yo meprize sosyalman. Sepandan, pa gen Kanda oswa Dikanda (kidonk yon liyaj bò manman etabli), sa lakòz plis pwoblèm pou yon moun nan mond Kongo a ke an Ayiti.  Paske nan kilti Kongo, kondisyon yon moun "san manman" pi pre kondisyon yon esklav
** Bila se non yon gwoup etnik tou. Gwoup sila te prezan nan Sendomeng :

"Toussaint de nation Bila, de petite taille, étampé illisiblement sur le côté droit du sein, ayant des marques de son pays sur chaque côté du sein." (108)
Tradiksyon :
"Toussaint manm nanchon Bila, li kout, li tanpe yon jan nou pa ka li sou bò dwat tete li, li te gen mak peyi l sou chak bò tete l."
Epi gwoup etnik Bila sa, tankou mo Mbila a, soti nan Wayòm Kongo. (109)
*** Mo Kikongo Nkawu a kontinye itilize nan relijyon ayisyen an, nan non Èzili Freda Kawoulo, ki se Lwa/Jany loraj ak zeklè. Si nan lang kikongo, yo rele loraj Nzazi, (110) - yon mo ki rete tou nan relijyon ayisyen an - "Kawoulo" nan Èzili Freda Kawoulo, se yon deskripsyon dirèk de jan loraj sanble, lè li tonbe yon kote. Paske, nan lang Kikongo, mo Kawoulo a se yon melanj de 2 mo : Nkawu + Lo. Li vle di yon "Baton (pou mache) koulè wouj klere, e ki gen yon rèl fann zòrèy." Paske "Nkawu" vle di yon baton (pou mache), ansanm ak yon rèl ki fann zòrèy. Epi "Lo" vle di koulè wouj klere.
**** Moyo oswa Mooyo, vle di "lavi" pou pèp yo rele Bantou yo (pèp Baluba ak Bakongo fè pati de gwoup sa). Mo sa tou rete djanm nan relijyon tradisyonèl ayisyen an. Nou jwenn li nan non Lwa/Jany tankou Zinga Moyo, Benga Moyo, Zenzen Moyo. Epi nou jwenn "Moyo" tou nan non Zila Moyo, ki se yon Divinite fi ke non l (Nzila + Moyo) vle di "Chimen Lavi a" nan lang Kikongo. 
***** Nan dènye fraz la, "Mayangangué" te ekri "Mayanzangué". Men, se te yon erè tipografik (kidonk nan ekriti) ke jij Courtin te fè. Paske li t ap ekri yon mo ki soti nan yon lang li pa t abitye avè l.


10- Anèks : Orijin rit Petro a

Nou kwè li enpòtan, nan atik sa, pou nou etabli orijin rit zantray ayisyen an ke yo rele Petro. Paske gen twòp konfizyon sou pwen sa.
Relijyon tradisyonèl ayisyen modèrn an fèt - si nou vle fè yon rezime byen vit - ak melanj 2 gwo rit, ki se Rada ak Petro. Nan pa konprann, yo te rele Rada a "Vaudoux", nan tan koloni Sendomeng la. Nan rit Rada sa, yo onore Koulèv selès la (ke yo rele Danmbala an Ayiti, Dangbe nan Benen). E Rada a, dapre kolon istoryen Moreau de Saint-Mery, te vini ak kaptif (esklav) "Arada" yo ki soti nan Ouidah nan Benen jodiya :
"Li trè natirèl pou kwè ke Vaudoux a jwenn orijin li nan kilt koulèv la, ke moun ki soti nan peyi Juida [Ouidah], lage kò yo patikilyèman ladan l, yo di li soti nan wayòm Ardra a [Arada oswa rada nan relijyon ayisyen an], nan menm Kòt esklav la..." (Trad.)  (111)
Kanta pou rit Petro a (ke yo rele Don Pedro, Dom Pedro, Don Pètre Dan Petro, Donmpèt, elatriye), istoryen yo dakò ke se li ki pi ansyen nan Sendomeng, e ke li kreyòl, sa k vle di ke li fèt sou zile a. Kèk odasye menm di ke Petro a soti nan yon kontak ant kaptif (esklav) nwa yo ak premye pèp ki te rete nan zile a. Kidonk Tayino yo, ki poutan de fin mouri nèt plizyè syèk anvan rive zansèt ayisyen yo. Anplis, istoryen sa yo baze agiman yo sou ansyènte Petro a, sou yon tèks Moreau de Saint-Mery ki chita "envansyon" rit Don Pèdre la nan lane 1768. Kidonk, sèlman 10 lane apre egzekisyon Makandal, e apèn 23 lane anvan levekanpe jeneral an 1791 la :
"An 1768, yon nèg Tigwav, orijin li panyòl, li abize kredilite nèg yo, ak pratik sipèstisye, li bay yo lide de yon dans ki sanble ak Vaudoux a, men ki gen mouvman ki pi rapid. Pou yo fè l pwodwi plis efè, pandan y ap danse, nèg yo bwè tafya yo mete poud a kanon byen kraze ladan l. Nou te wè dans sa yo rele Dans a Don Pèdre, ou senpleman Don Pedro, bay kèk nèg lanmò ; e menm espektatè yo, ki anjandre devan espektak djayi atè sila, vin soule tou tankou pratikan yo, epi yo akselere kriz ki pran yo tout la, avèk chante yo ki nan yon ritm rapid. Li te nesesè pou yo te anpeche yo danse Don Pedro, sou menas pinisyon grav, e ki pa t toujou efikas." (Trad.) (112)
Deskripsyon Moreau de Saint-Méry a sanble vreman vre ak pòtre Petro a anjeneral. Sepandan, orijin rit Petro a diferan de sa Moreau de Saint-Méry te ekri. Petro te rive nan Sendomeng nan lane 1679, ak premye vag kaptif (esklav) ke yo te mennen pa fòs nan koloni franse sila. Rit Petro a pote non Samajèste Dom Pedro 3 (1668-1683), ki se Wa nan rejyon Nò Kongo ke yo rele dia Lemba oswa Mbula-Lemba. Jodiya, rejyon sila, se yon komin nan Kinshasa, ki se kapital Repiblik Demokratik Kongo a. (113)


(Lenmba nan Kongo pandan 19yèm syèk)
Sous : "A sketch of Stanley Pool (Pool Malebo)".

Mo "Lemba" a, non rejyon Lemba-Mbula a, nou pa dwe konfonn li avèk rit Lenmba nan relijyon ayisyen an. Sepandan, non Mbula (Boula) a, probableman te bay Nasyon sakre Boula a oswa Nanchon Boula, ki kontinye jwenn venerasyon nan relijyon ayisyen an.
Dom Pedro, non loksidan sa a, li soti nan yon kontak ki dire lontan ant elit Kongo yo ak Pòtigal. Dom, nan Dom Pedro (Dona, si se yon fi) se sa Kongo ki te melanje relijyon yo ak krisyanis te rele "zina dia santu", "santu" oswa "Ndumbululu". Kidonk, "Dom" se te yon "non sen" a) ke yon nganga (ofisyan tradisyonalis) bay yon timoun (114) ; an) se te yon non ke zotobre yo te bay tèt yo nan laj adilt. (115) Nan ka Dom Pedro 3, li te sèvi ak "Dom" kòm yon tit wayal. Paske Wa Dom Pedro 3, te rele reyèlman Nsimba oswa Nzimba Tumba. Sa se yon non ki rete an Ayiti atravè gwo Lwa Simba a.

Men, ki kote atitid agresif rit Petro a soti?
Karaktè wòklò ke rit Petro a genyen, li soti nan lefètke Wa Dom Pedro 3 te konn sèvi ak yon gwoup sòlda mèsenè (kidonk sòlda etranje ke yo peye) tradisyonalis ki te mechan ak sasinè anpil. Pòtigè yo te rele gwoup sòlda mèsenè sa yo Jaga :
"Yo di ke Jaga yo te konn vann vyann moun tankou vyann nan mache piblik, lè Pedro 3 te mennen yo fè dènyè kraze brize katastrofik de ansyen kapital Sao Salvador nan lane 1678. [1 an anvan premye debake kaptif (esklav) nan Sendomeng] Epitou, yo te payen ki pa refòme ki te sakaje, detwi, epi profane douzèn legliz Sao Salvador yo nan jounen sa." (Trad.) (116)
Jaga yo, ki se profanatè wòklò, te gen plizyè non nan teritwa Kongo-Angola a :
"1. Jaga (nan maniskri a : Giaqua). Nou rankontre anpil lòt fòm de non sa : Giachas, Giacs, Giachi, Giaki, Giagas, Jagos, Jacas, Aiac(a)as, Aiacchi, Majaca, Mujac pou Mujaca (Planquaert, 52 sqq. ; Cuvelier, p. 341; Cuvelier, Documents sur une Mission française au Kabongo, p. 8). Jaga yo, ke yo toujou prezante kòm vanyan sòlda ki mechan e ki kanibal, nou toujou jwenn deskripsyon sa nan pi fò rakonta sou Angola ak Kongo nan sèzyèm ak disetyèm syèk la." (Trad.) (117)
Nan Sendomeng, nou jwenn Jaga yo sou non Yaka (Yaca) oswa Mayaca. Me yon anons mawonaj pou yon Jaga yo te bay non Tambour. Yo te idantifye l kòm manm Nanchon Mayaca :

"Tambour, Mayaca ; Sanga, Congo, étampés BOIDON, le premier est parti marron le mois dernier de l'habitation Boidon à la Grande-Rivière, l'autre le 5 du courant de l'habitation Boidon aux Gonaïves." (118)
Tradiksyon :
"Tambour, Mayaca ; Sanga, Kongo, yo tanpe BOIDON, premye a te pati mawon mwa pase a de bitasyon Boidon nan Grannrivyè, lòt la, le 5 mwa sa de bitasyon Boidon nan Gonayiv."
Anons sila ki soti nan prizon nan Jeremi a te idantifye yon kaptif (esklav) nouvo kòm manm Nanchon Mayaca :

"Un idem [Nouveau], nation Mayaca, étampé sur le sein droit MB, au-dessous A. BAINET, âgé de 25 ans, taille de 5 pieds 1 pouce, ne pouvant dire son nom ni celui de son maître." (119)
Tradiksyon :
"Yon menm jan [Nouvo], manm Nanchon Mayaca, li tanpe MB sou tete dwat li, pi ba a A. BAINET, laj li 25 an, wotè li 5 pye 1 pous, li pa ka di non li oswa kiyès ki mèt li ."
E nan Sendomeng, yo te rekonèt Jaga yo sou anpil lòt non, tankou : Niiac, Niaqua, Miaca (Myaca), Mayoca, Mayaga, Mayaque, Mouillac, Mouyaca, Monyaqua, Mouxaqua oswa Kongo-Mouyaca. Anons sila pale de mawonaj yon kaptif (esklav) Jaga ke yo idantifye gwoup etnik li Kongo Mouyaca:

"Un nègre nouveau, Congo-Mouyaca, étampé sur les seins C BOULET, âgé d'environ 20 ans, taille de 5 pieds 2 pouces, n'ayant point de barbe, bien pris dans la taille, parti marron le 25 juin dernier. En donner avis à M. Fiques, marchand, au Port-au-Prince." (120)
Tradiksyon :
"Yon nèg nouvo, Congo-Mouyaca, li tanpe sou tete li C. BOULET, li gen anviron 20 lane, wotè  li 5 pye 2 pous, li pa gen bab, li byen kenbe nan gwosè li, li mawon le 25 jen dènye. Voye nouvèl bay Mesye Fiques, komèsan, nan Pòtoprens."
Pèp bantou yo sèvi ak prefiks "Ba" a pou yo presize yon popilasyon. Pa egzanp, mo BaLuba a vle di pèp Luba a. BaKongo vle di pèp Kongo a, elatriye. E natirèlman, se nan menm sans la ke nan Sendomeng, nou te jwenn Bayaqua (BaYaka) :

"Au Cap, le 7 du courant, Jean-Louis, Bayaqua, étampé sur le sein droit PATUREL, ayant des marques de son pays sur la poitrine, arrêté en ville, se disant à M. Paturel." (121)
Tradiksyon :
"Nan Okap, le 7 nan mwa sa, Jean-Louis, Bayaqua, li tanpe sou li tete dwat li PATUREL, li gen mak peyi l sou pwatrin li, lè yo arete l nan vil la, li di li kina Mesye Paturel."
Menm jan tou, nan koloni sila, te gen kaptif (esklav) Kongo yo te rele ak non ki vle di yo soti nan gwoup etnik Bajaca :

"Deux Nègres, dont l'un Congo, nommé Bajaca, étampé sur le sein droit M. LANIER, âgé d'environ 24 ans, est maron depuis environ 6 mois ; et l'autre nommé François, étampé GOUVION, est maron depuis 5 mois. Ceux qui les reconnaîtront, sont priés de les faire arrêter et d'en donner avis à M. Gouvion, au Cap." (122)
Tradiksyon :
"De Nèg, Yonn nan yo Kongo, yo rele l Bajaca, li tanpe sou tete dwat M. LANIER, li gen anviron 24 an, li mawon depi apeprè 6 mwa ; epi lòt la rele François, li tanpe GOUVION, li mawon depi 5 mwa. Sila yo ki va rekonèt yo, tanpri fè yo arete yo epi voye nouvèl bay Mesye Gouvyon nan Okap."
Konsa, nan lane 1679, nan Sendomeng, kaptif (esklav) Jaga yo, te pote kole ak lòt kaptif Kongo ki te soti Mbula yo, pou yo te etabli rit wòklò pou Dom Pedro 3, ki te Wa lagè yo, ke yo te venere. Non Dom Pedro a rete an Ayiti nan Dan Petro oswa Wa Dangòl (kidonk Wa Angola), epitou nan N'kosi Danpetro, kidonk Wa Danpetro ; paske Ne-Nkosi (Nenkosi) vle di "Wa" nan lang Kikongo. (123) Anplis de sa, tradisyonalis ayisyen yo kontinye bay Jaga yo adorasyon sou non Yagaza. Mbula/Lemba, kote yo soti a, li vinn fè Nanchon Boula a, oswa Nasyon sakre Boula a.

Tèz ki revandike enfliyans mouvman Antonius la nan Revolisyon ayisyen an

Pou n konkli, n ap souliyen ke otè John Thornton, ki yon revizyonis kretyen, te propoze ke Revolisyon ayisyen an, se rezilta enfliyans ansyen disip yon mouvman refòmis kretyen. Dapre Thornton, mouvman sila, se te Antonius, ke Dona Beatriz Kimpa Vita te kreye nan peyi Kongo. Sepandan, nan Sendomeng, rive pèp vyolan yo rele Jaga a, epi sèvis relijye yo pou Wa Dom Pedro 3, alyas Petro, date de 1679. Kidonk, nan kòmansman prezans moun nwa nan pati franse zile a. Konsa, rit Petro a te deja nan Sendomeng (1679) anvan kreyasyon mouvman Antonius la (1704-1706). Rit Petro a te menm devanse de 5 lane dat nesans Dona Beatriz Kimpa Vita, ki se 1684. E nesans Kimpa Vita te rive yon sèl lane apre lanmò vyolan Dom Pedro 3. (124)
Anplis de sa, lanmò vyolan Dom Pedro 3 a toujou rete vivan nan memwa pèp ayisyen an. Paske, Dom Pedro 3 te fè pati de fanmi wayal Kinlaza a, ki te nan chire pit ak fanmi wayal Kimpanzu a. E Dom Pedro 3, pou l te garanti rekonsilyasyon ant 2 klan wayal sa yo, li te dakò marye yon fanm ki soti nan fanmi rival Kimpanzu a. Malerezman, nan maryaj la, anba vwal lamarye, se pa t figi yon fi ki te kache. Nan plas lamarye, se te Manuel de Nobrega, ki se frè Wa Danyèl 1ye ke Dom Pedro 3 te touye. Sipriz la te fatal pou Dom Pedro 3, lè asasen an te rale yon pistolè, epi li te tire revanj li. E apati de asasina wayal Kongo sa, soti yon tèm kreyòl ki di "pran nan panzou". Ekspresyon sa dekri lè yon moun sote, epi li pri nan yon malè li pa t atann. (125) 
Anplis de sa, Wa João II (1683-1716), ti frè Dom Pedro III ki te swiv li nan pouvwa, epi ki te alye ak Jaga tou, non li byen chita nan memwa ayisyen an. João II, Wa nan Mbula/Lemba (Nzuzi pou Ntamba, ki te bon non li), yo onore l an Ayiti nan Lwa Zawo Lenmba, Zawo Danpetro oswa Zawou Penmba. Natirèlman, Kimpa Vita, ke li te refize ede, epi ki te fè bri pandan apèn 2 lane, non li absan nan memwa ayisyen an ; menm jan tou pou "Ngunza", ki se tit li, ki vle di pwofèt.


Referans
(1) Prophète Joseph. Diksyonè Sinonim lang Ayisyen. Montréal, 2002. p.255. 
(2) Moreau de Saint-Méry. Notes historiques sur Saint-Domingue (A.M. G.. F3 136, p. 198). Cité par Pierre de Vaissières. Saint-Domingue : la société et la vie créole sous l'ancien régime (1629-1789). Paris, 1909. pp. 247. 
(3) Ernest Trouillot. "De Jean Price Mars, critique littéraire et scientifique". In : Conjonction, No 110 (1969). pp. 8-17.
(4) Linstant Pradine. Les codes haïtiens annotés : Code d'instruction criminelle et Code Pénal. Paris, 1883. p.185. 
(5) Arsène Francoeur Nganga. "Les racines bantu de Haïti". [anliy] URL : http://www.cesbc.org/publications/nganga_arsene_francoeur/textes/les_racines_bantu_du_peuple_haitien.htm ; Vizite nan jounen 15 avril 2017  
(6) Nathalis Lembe Masiala. Dictionnaires Kikongo ya létà-français. Paris, 2011. p.14. 
(7) Carolyn E. Fick. Haïti : Naissance d'une nation. La Révolution de Saint-Domingue vue d'en bas. (Trad. Frantz Voltaire) Montréal, 2014. p.142.
(8-9) Ndompey Nvita Nkanga Amun. "Makandal ou Makunda : Ne Makandal, Grand Unificateur et combattant de la liberté aux méthodes proprement africaines". Sept. 10, 2012. [anliy] URL : http://basangoyakatiopa.blogspot.ca/2012/09/makandal-ou-makunda.html ; Vizite nan jounen 19 okt. 2017.
(10) Jean Robert Cadely. "Le statut des voyelles nasales en Créole haïtien". In : Lingua 112 2002). pp.435-464. ; Renauld Govain. "La nasalisation en créole haïtien : entre autonomisation et apports substratiques". Séminaire, Paris, 18 décembre 2017. [anliy] URL : www.umr7023.cnrs.fr/sites/default/files/resume.govain.pdf
(11) Comhaire-Sylvain. "Survivances africaines dans le vocabulaire religieux d'Haïti". In: Études Dahoméennes, Vol. 14 (1955). pp.5-20.
(12) François Bontinck. Diaire congolais (1690-1701) de Fra Luca da Caltanisetta. Louvain-Paris, 1970. pp.131, 185.
(13) Ọbádélé Kambon, PhD. Dictionnaire (Lexique) Kikongo-Français. [anliy] URL : https://www.abibitumikasa.com/forums/showthread.php/48048-Dictionnaire-%28Lexique%29-Kikongo-Fran%C3%A7ais ; Vizite nan jounen 30 jiyè 2017. 
(14) David Geggus. "Marronage, voodoo and the Saint-Domingue slave revolt of 1791". In: Proceedings of the Meeting of the French Colonial Historical Society. New York, 1992. pp.22-35.
(15-16) Wyatt MacGaffey. Kongo Political Culture : The Conceptual Challenge of the Particular. Bloomington, 2000. p.94.
(17) Hein Vanhee. "Central African popular Christianity and the making of Haitian Vodou religion". In :  Central Africans and Cultural Transformations in the American Diaspora. Cambridge, 2002. pp.243-264.
(18) Wyatt MacGaffey. Kongo Political Culture : The conceptual challenge of the particular. Bloomington, 2000. p.139. 
(19) Wyatt MacGaffey. Custom and Government in the Lower Congo. Berkeley, 1970. p.18.
(20-23) Leo Bittremieux, Mayombsch Idioticon. Ghent, 1922. pp.350, 886, 110, 112. 
(24) France. "Interrogatoire de la Négresse Assam, du 27 septembre 1757. Extrait des minutes du greffe du Tribunal du Cap." AN, Arch. Col. C9A 102. Annexed in Carolyn E. Fick. Haïti : Naissance d'une Nation... Montréal, 2014. pp.463-471.
(25-26) Christina F. Mobley. The Kongolese Atlantic-Central African Slavery & Culture from Mayombe to Haiti. (Thèse). Durham, 2015. p.224.
(27) Supplément aux Affiches Américaines du Samedi 21 août 1770. Parution No.16, p.192. 
(28) Les Affiches Américaines du Samedi 25 avril 789. Parution No.22, p.842. 
(29) Les Affiches Américaines du samedi 3 juillet 1773. Parution No.26, p.312. 
(30-31) Carolyn E. Fick. The Making of Haiti : The Saint Domingue Revolution from below. Knoxville, 1990. pp.61, 291.
(32) Carolyn E. Fick. Haïti : Naissance d'une nation. Op. Cit. p.142. 
(33) David Geggus. "Marronage, voodoo and the Saint-Domingue slave revolt of 1791". In : Proceedings of the Meeting of the French Colonial Historical Society. New York, 1992. pp.22-35.
(34) Christina F. Mobley. The Kongolese... Op. Cit. p.224. 
(35) M. de C. "Makandal, Histoire véritable" In : Mercure de France No.37, du Samedi 15 septembre 1787. Paris, pp.107-108.
(36-37) M.L.E. Moreau de Saint-Méry. Description topographique, physique, civile, politique et historique de la partie française de l'isle Saint-Domingue. Tome 1. Philadelphie, 1997. pp.274-275, 53-54.
(38) Henry Louis-Jeune. Ouvrage (inédit?) de l'Association Maîtres Bâton Artibonite 1992 ; cité par "Orientation du bâton". [anliy] URL : http://basilik-patikola.eklablog.com/orientations-du-baton-c18885177 ; poste nan dat 2 okt. 2012 ; Vizite nan jounen 2 okt. 2018.
(39) Harold Courlander. The Drum and the Hoe : Life and lore of  the Haitian people. Columbia, 1960. pp.131-132. ; Yon sitasyon Thomas J. Desch Obi. Fighting for Honor : The History of African Martial Art Traditions in the Atlantic World. Columbia, 2008. pp.282-283.
(40) Henry Louis-Jeune. Ouvrage (inédit?) de l'Association Maîtres Bâton Artibonite (AMBA) 1992 ; cité par "La mystique du bâton". [anliy] URL : http://basilik-patikola.eklablog.com/la-mystique-du-baton-a56840203 ; poste nan dat 1ye okt. 2012 ; Vizite nan jounen 2 okt. 2018. 
(41) Dictionnaire Kikongo/Français [anliy] URL : http://kongoinfo.000webhostapp.com/fr/dictionnaire-kikongofrancais/ ; Vizite nan jounen 21 Sept. 2018.
(42-43) R.P. Colle. Les Baluba (Congo Belge). Tome 2. Bruxelles, 1913. p.584. 
(44) Dictionnaire Kikongo/Français. Op. Cit. 
(45) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire sur les pratiques magiques et empoisonnements prouvés aux procès instruits et jugés au Cap contre plusieurs Nègres et Négresses dont le chef, nommé François Macandal, a été condamné au feu et exécuté le vingt janvier 1758. (A.N. COLONIES F3. 88). 
(46-47) M.L.E. Moreau de St. Méry. Loix et constitutions des colonies françoises de l'Amerique Sous le Vent, Vol 4. Paris, 1784. pp.223-224, 225-229.
(48) Les Affiches Américaines du Mardi 8 mai 1781. Parution No.19, p.176.
(49) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Description topographique... Tome 1. Op. Cit. p.653.
(50) Les Affiches Américaines du Mercredi 2 avril 1766. Parution No.14, p.124.
(51) Michel Étienne Descourtilz. Voyages d’un naturaliste et ses observations..., Tome 3. Paris, 1809. p.177.
(52) Trouillot, Henock. "La guerre de I'independance d'Haiti: II. Les hommes des troupes coloniales contre les grands prêtres de Vodou". In : Revista de Historia de América, No. 73/74 (Jan. - Dec., 1972), pp. 75-130. 
(53) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire... Op. Cit.
(54-58) Théodore Theuws. "Croyance et culte chez les Baluba". In : Présence Africaine, Nouvelle Série, No18-19. (Février-Mai 1958), pp.23-32. 
(58-61) R. Van Caeneghem. La notion de Dieu chez les Baluba du Kasai. Bruxelles, 1956. pp.78-79, 79-80, 80, 93-94.
(62-66) Ibid. pp.80, 103-104, 80, 104, 86.
(67-69) C.E.P.SI : Centre d'étude des problèmes sociaux indigènes. Problèmes sociaux zaïrois. Vol 84-93. 1969. pp.131-32.
(70) R. Van Caeneghem.  La notion de Dieu... Op. Cit. p.62.
(71) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire... Op. Cit.
(72) Hilliard d'Auberteuil. Considérations sur l'état présent de la colonie française de Saint-Domingue. Paris, 1776. pp.137-138.
(73) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire... Op. Cit.
(74) TKM (Tulu Kia Mpansu) Buakasa. Lire la religion africaine. Ottignies-Louvain-La-Neuve, 1988. p.85.  
(75) R. Van Caeneghem. La notion de Dieu... Op. Cit. p.101.
(76) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire... Op. Cit.
(77) R.P. Colle. Les Baluba (Congo Belge), Tome 2. Bruxelles, 1913. pp.461-462.
(78) TKM (Tulu Kia Mpansu) Buakasa. Lire la religion... Op. Cit. p.85.
(79) R.P. Colle. Les Baluba... Op. Cit. p.472.
(80-81) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire... Op. Cit.
(82) R.P. Colle. Les Baluba... Op. Cit. p.566.
(83) Rev. W. Holman Bentley. Dictionary and grammar of the Kongo language, as spoken at San Salvador, the ancient capital of the old Kongo empire, West Africa. London, 1895. p.756.
(84) R.P. Colle. Les Baluba... Op. Cit. pp.470-471.
(85) TKM (Tulu Kia Mpansu) Buakasa. Lire la religion... Op. Cit. pp.85-86.
(86-87) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaires... Op. Cit.
(88) David Patrick Geggus. "Haitian Voodoo in the Eighteenth Century: Language, Culture, Resistance." In ; Jahrbuchfür Geschichte von Staat, Wirtschaft und Gesellschaft Lateinamerikas 28 (1991). pp.21-51.
(89-91) A. Le Hérissé. L'ancien Royaume du Dahomey, moeurs, religion, histoire. Paris, 1911. pp.60, 161-162, 99. 
(92) Wè temwayaj Dany Danache in : Charles Najman. Haïti : Dieu seul me voît. Paris, 1995. pp.172-173. 
(93) Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire... Op. Cit.
(94) A. Le Hérissé. L'ancien Royaume... Op. Cit. p.160.
(95-96) Dictionnaire Cilubà - Français. [anliy] URL : http://www.ciyem.ugent.be/
(97) Patrick Arthur Polk. Haitian Vodou Flags. Jackson, 2010. p.28. 
(98) Dictionnaire Cilubà - Français. Op. Cit.
(99-102) R.P. Colle. Les Baluba... Op. Cit. pp.812-813, 814-815, 560-561, 801-805.
(103) Frans Verstraelen. “La conscience morale des Baluba et de quelques autres peuplades dans le sud-est du Congo.” Anthropos, vol. 59, no. 3/4, 1964, pp. 361–399.
(104) L. De Brandt. Vertelling van de Baluba's, in : Congo, 2, 922, pp.50-64. Cité par Frans Verstraelen. “La conscience morale des Baluba.." Op. Cit. 
(105) J.A. Tiarko Fourche, Henri Morlighem. "Architecture et analogies des plans des mondes, d’après les conceptions des indigènes du Kasai et d’autres régions." In : Bulletin des séances. Bruxelles, 1938. pp.612-677.
(106) R.P. Colle. Les Baluba... Op. Cit. p.553.
(107) K. Kia Bunseki Fu-Kiau. Self- Healing Power and Therapy. Baltimore, 1991. p.65. ; Remak : Nou pataje lide de yon diyalite (opozisyon) konplemantè jan otè sa te prezante l la. Sepandan, nou pa dakò ak deklarasyon l ki di ke pou pèp yo rele Bantou yo, Luvemba (koulè blan an) reprezante sa ki mal, pandan ke Kala (koulè wouj la) senbolize sa ki bon. Sa pa vre, paske pou pèp yo rele Bantou yo, lanmò antanketèl pa reprezante sa ki mal, jan yo konsidere sa nan loksidan. E Luvemba, Lupemba, oswa Mpemba, kidonk tè blanch ke Kongo yo badijonnen tèt yo ak li a, se yon siy de inosans nan tribinal, se yon siy de bonè, de lasante, de benediksyon, de yon lanmò ki rebay lavi, elatriye.
(108) Les Affiches Américaines du Samedi 17 mars 1787. Parution No.11. p.730.
(109) International Encyclopedia of Linguistics. Volume 1. (2nd edition). Oxford, 2003. p.108.
(110) Dictionnaire Kikongo/Français. Op. Cit.
(111-112) M.L.E. Moreau de St. Méry. Description topographique... Tome 1. Op. Cit. pp.50, 51.
(113) Pou konnen plis sou Wa Dom Pedro 3, wè John Thornton. The Kongolese Saint Anthony: Dona Beatriz Kimpa Vita and the Antonian Movement, 1684-1706. Cambridge, 1998. (2nd Ed, 2009). p.22.
(114) Wè Revue des questions scientifiques, Vol.69-70. Bruxelles, 1911. p.404.
(115) Wè Belgisch tijdschrift voor philologie en geschiedenis. Fondation universitaire (Éd). Bruxelles, 1987. p.808.
(116) John Thornton. The Kongolese Saint Anthony: Dona Beatriz Kimpa Vita and the Antonian Movement, 1684-1706. Cambridge, 1998. (2nd Ed, 2009). p.23.
(117) Filippo Pigafetta, Duarte Lopes. Le Royaume de Congo & les contrées environnantes (1591). Paris, 2002. p.290.
(118) Les Affiches Américaines du Samedi 12 mars 1791. Parution No.21. p.132.
(119) Les Affiches Américaines du Jeudi 22 mai 1788. Parution No.41. p.250. 
(120) Les Affiches Américaines du Samedi 24 juillet 1790. Parution No.59. p.420. 
(121) Les Affiches Américaines du Mercredi 25 octobre 1786. Parution No.43. p.511.
(122) Les Affiches Américaines du Mercredi 7 novembre 1770. Parution No.46. p.436. 
(123) Nathalis Lembe Masiala. Quelques éléments de l'oralité dans la palabre Kinzonzi, en pays Kongo ( RDC). Paris, 2011. p.31.
(124) John Thornton. The Kongolese Saint Anthony... Op. Cit. p.2.
(125) Wè John Thornton. Ibid. p.79.




Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Orijin Makandal". 27 novanm 2018 ; Mizajou : 28 avril 2019. [anliy] https://bwakayiman.blogspot.com/2018/11/orijin-makandal.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak : asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2019