Desalin pa t mizilman

Home     




Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 23 avril 2017 
(Mizajou : 31 des. 2020)


Vyolans ke tout tè a ap fè Anperè Janjak Desalin, Papa pèp Ayisyen an, chita sou sa m pral rele, nan prese, Yerachi San Koule. Kidonk, tout san ki koule pa gen menm valè. Swadizan Yerachi San Koule sa, li mache ak yon lojik ki ale nan sans sa  :
  1. San Amerendyen yo - ke Panyòl yo te fè koule sou zile Ispanyola a, pa gen valè.
  2. San moun Nwa ki te ranplase Amerendyen yo, ke Panyòl yo te fè koule (nan pati Lès la), epi Franse yo te fè koule (nan pati Lwès la), li gen mwens valè ankò pase san Amerendyen an.
  3. Epi lè san Blan koule, li akseptab sèlman lè se Blan ki fè l koule, oswa, nan yon sans pi piti, lè se Nwa k ap goumen pou Blan, ki fè li koule.
Nan kontèks sila, lè moun Nwa nan Sendomeng (Ayiti) te fè san Blan yo koule nan 1791-1803, pou yo te ka jwenn libète, zak yo sa te pete kannkès Yerachi San Koule a. Yon konsekans de sa, se ke, moun jounen jodi a ki kanpe kont dwat natirèl moun Nwa pou defann tèt yo - pi fò nan yo se Ayisyen ki soufri konplèks enferyorite ak / oswa ke relijyon kretyen esklavajis la lave sèvo yo - ap reekri revolisyon ayisyen an sou twa baz : 1) Nye l. 2) Bay li koutlang. 3) Fè dappiyan sou li.
  1. Nye l : "Yon evènman anbarasan ke yo byen kontan neglije," (Trad.) (1) istoryen toupatou te inyore revolisyon ayisyen an pou plis pase yon syèk. Menm jan an tou, pou yon pòsyon enpòtan nan Ayisyen, nye pase revolisyonè yo reprezante yon mwayen pou yo ta entegre / asimile nan Loksidan kretyen. Malerezman pou yo, ou ka kache solèy la pou yon ti kras tan sèlman.
  2. Bay li koutlang : Kòm yo pa ka nye revolisyon ayisyen an pou tout tan gen tan, gen kèk ki chache diskredite li ak revizyon kretyen an ki eseye : a) dyabolize aksyon ewo yo te fè nan lane 1791 la ; an) majinalize (kidonk, fè pase pou pa anyen) Desalin, Anri Kristòf (Henry Christophe), ak tout lòt lidè ki plase enterè pèp Nwa a devan enterè tout lòt pèp ; b) gonfle valè Tousen Louvèti (Toussaint Louverture), Aleksand Petyon (Alexandre Pétion), Jan-Pyè Bwaye (Jean-Pierre Boyer) ak tout lòt lidè ki plase enterè Loksidan devan enterè pèp Nwa Ayisyen an.
  3. Fè dappiyan sou li : Kèk moun ki kwè anbachal ke moun Nwa pa merite glwa militè, pa nye revolisyon ayisyen an, ni yo pa bay li koutlang. Yo pito itilize teknik ki gen plis odas, pou yo ka fè dappiyan sou tout sa revolisyon sa te fè mete la. Teknik yo, se : a) revizyon franse a, oswa reekriti franse sa, fè konnen ke revolisyon ayisyen an se pitit revolisyon franse a, malgre ke te toujou gen goumen kont esklavaj nan koloni Sendomeng la, tankou nan tan Makandal ak anpwazonè li yo, ki te tchwe plis pase 6000 kolon ak kaptif (esklav) yo nan lane 1740 rive 1757 ; an) revizyon Amerendyen an, kote yo vle ranplase prezans "Afriken" tradisyonèl yo nan istwa Ayiti pa prezans Amerendyen Tayino yo ki te mouri nèt prèske san senkant an anvan rive zansèt Ayisyen yo nan zile a ; b) revizyon mizilman an ki chache met lapat sou seremoni Bwa Kayiman an (1791) jouk rive nan dènyè bout revolisyon ayisyen an (1803) ke Janjak Desalin te dirije.
Nou te demanti, nan yon lòt kote, tout kalte revizyon sa yo an, sa konprann tou revizyon kretyen an ki popilè anpil la, ki vize Desalin : kote yo di msye te yon brigan ki te renmen san, ke li rive genyen gè a poutèt lavaryòl ki te simaye oswa ke Anri Kristòf te sasinen li, elatriye. Konsa tou, nou te demantibile djòlè ki pi nouvo yo, ki di ke Desalin te esklav Tousen Breda, (2, 3, 4) epi ke li te lakòz yo te arete Tousen. (5) Menmsi sa, nou pito bay tèt nou limit, nan atik sila, sou revizyon mizilman sou Desalin ak revolisyon l lan, ke revizyonis yo fè konnen ke l te yon djihad, kidonk yon gè relijyon mizilman.



1- Desalin ak Grann Aloumandja

LeGrace Benson te fè konnen an 1996, ke Janjak Desalin te swa mizilman oswa li te aji ak enfliyans islam. Kòm prèv, revizyonis sila, ki ta sipoze gen yon doktora (PhD), pa t jwenn anyen ki pi serye pase defòme non Aloumandja, yon Lwa lagè nan Nanchon Nago (Yorouba) ke yo di Janjak Desalin te sèvi, an "Allah-Mandja", yon bagay ke pyès moun pa janm tande an Ayiti, epi ki pa nan okenn ekriti koloni Sendomeng la :
"General Jean-Jacques Dessalines, under whose leadership the revolution finally succeeded, if not Muslim, nevertheless evidenced influence from Muslim mysticism and magic. These were present in Haitian slave life just as Muslim mysteries and magic pervaded every West African locality where Muslims traded or had political hegemony. Dessalines created the flag in February 1803, months before its dramatic apparition in Archahaie on the eighteenth of May, reportedly after a ceremony in the houmfo he frequented. Eighteen May is the day for honoring the African lwa (spirit), Aloumandia (or Allahmandia). The name is thought to be a form of "Allah."" (6)
Tradiksyon :
"Jeneral Jean-Jacques Dessalines, anba lidèchip li ke revolisyon an te finalman reyisi, si li pa t Mizilman, antouka, prèv montre ke li jwenn enfliyans nan mistik ak majik mizilman. Bagay sa yo te nan lavi esklav ayisyen yo menm jan mistè ak majik mizilman te inonde chak lokalite Afrik de Lwès kote Mizilman te fè kòmèrs oswa te gen ejemoni politik. Desalin kreye drapo a nan mwa fevriye 1803, kèk mwa anvan drapo sa te parèt dramatikman nan Akayè pou dizwi me, jan yo di, apre yon seremoni nan houmfò kote li te konn sèvi. Dizwi me se jou pou onore lwa Afriken (lespri) Aloumandia (oswa Allahmandia) a. Non sa, yo panse li se yon fòm "Allah.""
Nou te deja, nan yon atik anvan, demanti jan de koze malatchong ki di ke Lwès "Lafrik" te chaje ak mizilman. Vizyon sila baze sou eta pati Lwès nan kontinan sa ki, konnya la, gen mizilman toupatou. Men, sa pa t konsa, nan tan Sendomeng. Paske islam te simaye nan mas "Afriken" nan pati Lwès yo, sèlman pandan 19yèm syèk, lè Loksidan te kolonize l ; kidonk, lontan apre endepandans Ayiti nan lane 1804.
Men, annou aksepte, jis pou yon moman, ke non Lwa Aloumandja a te "Allah Mandja" (Ala Mandja) ki defòme. Nan ka sa, nou dwe mande tèt nou : kisa "Allah Mandja" vle di nan lang Arab? Nou deja wè ke revizyonis yo, menmsi yo fè gwo klas, pa t janm poze tèt yo kesyon sa ki lojik anpil. Antouka, si yo te poze kesyon sa, yo pa t poze l pou tout moun konnen. Sòf si yo te poze l, men yo pa t jwenn repons yo ta vle a. Enben, ann poze kesyon an nou menm. Annou chache nan lang Arab, siyifikasyon "Allah Mandja" ki, dapre revizyonis yo, ta tèlman enpòtan, ke Jeneral Desalin te sèvi Fòs li reprezante a.

Tradiksyon nan lang arab la bay sa :


(Allah) Ala,الله : Bondye
Mandja, Manja, (Manija), مانجا :  Mango

Kidonk,


Ala Mandja, Allah Manja oswa Allah Manija,  الله مانجا : Ala Mango (Allah Mango) oswa Mango Ala

Kidonk, "Allah Mandja" (Ala Mandja) pa vle di anyen menm. Li se yon manti ki soti nan imajinasyon manfouben k ap depale ! Anplis, Aloumandja se yon fanm, yon granmoun fanm, an reyalite. Èske yo rann fanm omaj ase nan relijyon mizilman an, pou yo ta ka pèmèt yon fanm gide men vanyan Janjak Desalin, yonn nan pi gran chèf lagè nan listwa, limenm ki se sèl grenn kòmandan ki janm wete yon pèp anba grif esklavaj pa pwòp tèt? Nou pa menm bezwen mande. Repons la klès.

a) Aloumandja, Desalin ak 99 non/fòm Ala yo

Sa k pi ridikil pase Aloumandja se yon defòmasyon de "Allahmandia", se deklarasyon LeGrace Benson an ki di "Allahmandia" a menm, se yon fòm "Allah" :
"Aloumandia (or Allahmandia). The name is thought to be a form of "Allah."" (7)
Tradiksyon :
"Aloumandia (oswa Allahmandia). Non sa, yo panse li se yon fòm "Allah.""
Benson pouse frekansite pawòl delala l la pi lwen ankò lè li te ekri, fwa sa, nan yon jounal ayisen, ke Ala (Allah) Bondye mizilman yo, gen 99 non oswa fòm ki ta va mache ak Lwa oswa Jany nan Tradisyon Ayisyen an. Sèl diferans ki ta va genyen, se ke Ala se yon bagay abstrè, kidonk moun pa ka wè l, e sa fè moun Nwa pa ka konprann li, akoz ke yo trò sòt, e ke yo ka sèlman konprann Lwa a, paske li reprezante sa ki visib e ki apenn sòt rive :

"A chart of the ninety-nine names of Allah reveals the operation in Islam. (...) Allah is remote, the 99 names are abstractions rather than sensible forces or visibilities. Al-hallim, the Forbearing One, only enters everyday life through disciplined acts of imagination and will, but Damballah is visible right away in the rainbow. (...) The captives to whom they preached knew the names of forces and conditions: rain, smallpox, love, birth, death. Bringing together miraculous human heroes with personifications of natural powers and states of being engendered the double consciousness of lwa and saint. (...) The abstract names of Allah could not be used in such a fashion. Nor could the mystical and sometimes magical use of the sacred spelling out of the names of Allah function where literacy was forbidden. (...) But in Haiti the names of Allah were both anathematized and insufficiently personalized..." (8)
Tradiksyon :
"Yon tablo de katrevendiznèf non Allah yo devwale jan Islam fonksyone. (...) Allah lwen, 99 non yo abstrè olye ke yo fòs sansib oswa vizib. Al-hallim, Sila ki gen Pasyans la, sèlman antre nan lavi chak jou apati de zak disipline ki mande imajinasyon ak volonte, men Damballah vizib touswit nan lakansyèl la. (...) Kaptif yo ke yo te preche yo, te konnen non fòs lanati yo ak kondisyon yo : lapli, lavaryòl, lanmou, akouchman, lanmò. Yo kole ansanm ewo ki fè mirak yo ak pèsonifikasyon pouvwa lanati ansanm ak kapasite pou yo antre nan moun, ki se doub konsyans lwa ak sen. (...) Non abstrè Allah yo pa t ka itilize nan sans sa. Ni itilizasyon mistik ak kèk fwa majik de non Allah yo pa t ap ka fonksyone kote ekriti te entèdi. (...) Men, an Ayiti, yo te modi non Allah yo epi yo pa t pèsonalize yo ase..."
Sa se nivo agiman timoun piti ak ensilt nou jwenn, lè moun konsakonsa pran pòz syantifik.* Se san sipriz ke yon agiman konsa k ap meprize moun Nwa, mache nan san entèlektyèl Ayisyen yo ki apwouve li e ki prezève li pou pitit pitit yo nan  Journal of Haitian Studies, (Jounal Etid Ayisyen), yon ranyon tyèmond ki konprann li syantifik. Reyalite a se ke, si Allah gen 99 non, pa gen sèlman 99 Lwa, men gen 101 Nanchon Lwa (ofisyèl).** Epitou, chak nan 101 Nanchon sa yo, gen yon kantite Lwa moun pa ka konte. Estimasyon ki pi piti a bay 401 Lwa. Men, an reyalite, kantite senbolik sa, nou ka fasilman miltipliye l pa 10. Sa bannou 4001 Lwa oswa Jany, ki yon kantite pi rezonab.
Men Lwa yo kapab ni gason, ni fi, èske sa ta vle di ke Allah gen yon fòm fi, paske Aloumandja oswa Grann Aloumandja (Granmè Aloumandja) se yon fanm? Anplis, kèk nan Lwa oswa Jany sa yo, tankou Danmbala Wèdo, Lwa koulèv la, gen fòm bèt. Èske li ekri yon kote ke Allah gen fòm bèt? Epitou, kèk nan Lwa oswa Jany sa yo. bwè san bèt. An patikilye Lenglesou, Moundong, oubyen Dantò ki pi pito vyann kochon. Èske sa ta vle di ke Allah ta va bwè ak manje san kochon, yon bagay ki klèman entèdi nan koran an? Si kesyon sa yo, mache ak doktrin mizilman an, tanpri fè m konnen.
Annou sispann, analiz sila ki pa merite nou pèdi tan sou li. Paske si nou kontinye swiv agiman revizyonis LeGrace Benson la - ki di ke Lwa a ki soti nan yon relijyon ki te la anvan islam, se yon fòm nan Allah - nou pral tonbe pa sèlman nan radotay, men nou riske bay koutlang sou Bondye nan pozisyon toulede relijyon ke n ap konpare yo 

an) Desalin ak Grann Alouba

Li sanble dapre nou ke LeGrace Benson te neglije mete aksan sou lefèt ke, apa Grann Aloumandja, Desalin te adore Divinite Grann Alouba tou : 

"... les mystères de Dessalines, particulièrement Grande Alouba et Grande Aloumandia, lui dictaient des avis de l'invisible..." (9)
Tradiksyon :
"... mistè Desalin yo, espesyalman Grann Alouba ak Granne Aloumandia, te fè l konnen opinyon envizib yo..."
Chante sakre sila ki plenn asasina Desalin Ponwouj, te bay presizyon klè sou relasyon privilejye lidè yo te rache a te genyen ak Grann Alouba, ke li te neglije avètisman li :
"Défilée (la folle qui ramassa ses restes) ouè ;
Défilée pé !
Nan Pont-Rouge ci-là à,
Loman fait Dessalines douçouman.
(Grande) Alouba Ouganman, complot ci-là la,
Li fô passé ouanga.
Général Dessalines oh ! gadez misè moin,
Gadez tracas pays-là,
Pays-là chaviré." (10)
Tradiksyon :
"Defile (fi fòl la ki te ranmase rès kadav li) wè ; 
Defile pe ! 
Nan Ponwouj sila a,
Loman fè Desalin dousouman.
(Granny) Alouba Ouganman, konplo sila la, 
Li fò pase wanga. 
Jeneral Desalin o ! gade mizè mwen, 
Gade traka peyi a, 
Peyi a chavire."
Malgre ke anpil fwa yo konfonn Grann (Grande) Alouba ak Grann Aloumandja, orijin Grann Alouba pa kite dout. Li soti nan ansyen Wayòn Dawomen (peyi yo rele Benen jodiya) kote Alouba te yonn nan non yo bay ti fi ke yonn nan paran yo te antre ofisyèlman nan Fa, ki se divinasyon sakre a :

"Rien d'étonnant que les Dahoméens aient cherché à en consacrer le souvenir jusque dans leur progéniture, en donnant enfants, qui leur naissent après l'accomplissement de cet acte, des noms caractéristiques qu'on appelle Favi gniko, « noms des enfants de Fa » et qui sont, par ordre de date de naissance pour les garçons, Amousou, Kapo, Mot-cho, Boko, Dan-ouën ; pour les filles, Alouba, Kidan, Aloubahouè, Fakamè." (11) 
Tradiksyon :
"Se pa etone ke Dawomeyen yo te chache konsakre memwa li jouk nan pitit yo, là yo bay timoun ki fèt apre yo te akonpli aksyon sila, non presi yo rele Favi gniko, "non timoun Fa yo" epi ki se, nan lòd dat nesans pou ti gason yo, Amousou, Kapo, Mot-cho, Boko, Dan-ouën ; pou tifi yo, Alouba, Kidan, Aloubahouè, Fakamè."
Anplis de sa, nan Dawomen, yon kont te rakonte istwa fiktiv Alouba, yon granmoun fi ke te madanm yon Wa, e ki te fè yon rivalite ki pa t reyisi kont yon jèn fanm ki te madanm Wa a tou. (12) San nou pa deklare ke istwa gen arevwa ak Grann Alouba, Divinite ayisyen an, nou rete sèten ke Dawomeyen yo te tradisyonalis nan moman koloni Sendomeng la. Paske islam pa t rive nan Dawomen nan moman sila. E konsa tou, Alouba pa t yon referans mizilman.


2- Desalin ak fo djiyad la

Osi bonè ke an janvye 1996, revizyonis LeGrace Benson la, mize sou defòmasyon non Aloumandja a ak yon pakèt lòt sipozisyon, pou li sètifye ke revolisyon ayisyen an se rezilta djiyad :
"A thoughtful reading of reports on the style and their actions of Haiti's liberation leaders suggests that their conception of the conflict into which they entered was not necessarily or simply a following of the notions of the rights of man articulated in the French Revolution and spread to Haiti : more personally and deeply it was a holy wara jihad." (13)
Tradiksyon :
"Yon lekti reflechi de rapò sou stil ak aksyon lidè liberasyon Ayiti yo, sijere ke konsepsyon yo de lagè yo te antre ladan l nan, pa t nesesèman oswa tou senpleman swiv ke yo t ap swiv zafè dwadelòm ke Revolisyon franse a te vini ak li, e ki ta va gaye an Ayiti : plis pèsonèlman ak plis nan profondè, li te yon lagè relijyonyon djiyad"
6 lane pita, nan 2002, toujou san okenn prèv,  revizyonis la kontinye ak misyon san figi li a :
"Tamerlan committed the sacred act of writing prayer in June, 1791. It was not a time when there moments and places for silence and reflection necessary for recognizing the right hand of Allah in all things. Rather, the governing factors were those that had motivated the Muslims Makandal and his companions to initiate a jihad decades before. Two months after Tamerlan wrote, another Muslim, Boukman would bring the latent jihad into terrifying and efficacious visibility."(14)
Tradiksyon :
"Tamerlan komèt zak sakre ki se ekri yon lapriyè nan mwa jen 1791. Li pa t yon tan lè te gen moman ak kote pou silans ak refleksyon nesesè pou rekonèt men dwat Allah nan tout bagay. Olye de sa, faktè ki t ap gouvène yo te sa ki te motive Mizilman tankou Makandal ak kanmarad li yo pou yo te kòmanse yon djiyad kèk deseni anvan. De mwa apre Tamerlan te ekri a, yon lòt Mizilman, Boukman te vin mennen djiyad ki te anba chal la, nan yon vizibilite ki terib epi efikas."
Kat lane pita, an 2006, 10 lane apre premye piblikasyon LeGrace Benson an, toujou pa gen yon ti kras prèv de yon fòm de djiyad nan Revolisyon Ayisyen an. Men, sa pa t dekouraje revizyonis san pran souf la, ki kontinye ensiste sou rapotay li a :
"The imams had already been in Africa for centuries. They arrived on the first and last slave ships and put their great knowledge to the needs of survival first, then of revolution—a jihad, one might claim." (15)
Tradiksyon :
"Imam yo te deja an Afrik depi plizyè syèk. Yo te rive sou premye ak dènye bato esklav yo, epi yo te mete gwo konesans yo an premye nan chache siviv, apre sa, nan revolisyon—yon djiyad, yon moun ka di."
An 2009, se te tou pa revizyonis Susan Buck-Morss pou l te pran kòn djiyad la, fwa sa, li mete Desalin nan mitan radotay chimerik li a, kote revolisyon ayisyen an ta dwe yon djiyad malonèt ki pa t kanpe sou yon rezon relijye :
"Dessalines for setling out "to give as good as he got." then there is no honest reason for excluding from the story of Liberty the eye-for-an-eye, tooth-for-a-tooth logic of political jihadonly the dishonest one of rejecting, not the means of jihad, not the policy of violent retribution against one's enemy, but the religious goal, as if to say that in the broadly inclusive panoply, the multiversality of global culture, there is one (with which over a billion human beings happen to identify) that is simply, irredeemably, wrong. The political question emerging from this historical encounter, that urgently needs to be addressed, is this: how is it that the revered Euro-American revolutionary slogan, "Liberty or Death," came to be cordoned off in Western thought and practice from the allegedly infamous tradition of Islamic jihad?
Is the name of universal humanity, the vanguard justifies its own violence as higher truth. At this crossroad Osama bin Laden meets Jean-Jacques Dessalines, and Vladimir Lenin meets George W. Bush." (16)
Tradiksyon :
"Desalin te rezinye l "bay kou pou kou." konsa, pa gen okenn rezon onèt pou nou wete nan istwa Libète sa, lojik yon-je-pou-yon-je-, yon dan-pou-yon-dan ki vini ak djiyad politik la—sèlman, se yon djiyad malonèt ki voye jete, non pa mwayen djiyad la, non pa pratik fè vyolans an vanjans kont yon lèdmi, men objektif relijye a, se yon fason pou ke nan mitan lemond ki melanje ak yon dal kilti, gen yonn nan yo (ki gen plis pase yon milya moun ki idantifye yo a li) ki senpleman, san mankman, move. Kesyon politik la ki soti nan rankont istorik sa, ke nou dwe pale de li toutswit, se sa : ki jan eslogan revolisyonè Ewopeyen-Ameriken "Libète oswa lanmò," a, ke yo renmen anpil, te vin sele nan panse ak aksyon Loksidan apati de yon swadizan tradisyon djiyad mizilman ki gen move repitasyon?
Èske non limanite inivèsèl la, ki modèl la, jistifye pwòp vyolans li tankou verite ki pi wo. Nan kafou sa, Osama bin Laden rankontre Jean-Jacques Dessalines, epi Vladimir Lenin rankontre George W. Bush."
Sepandan, jan nou te wè nan yon atik anvan, revolisyon ayisyen an (1791-1803) pa ka konsidere tankou yon djiyad, paske li te fèt avan aplikasyon konsèp djiyad la an "Afrik". Vreman vre, batay final revolisyon ayisyen an te fèt 18 novanm 1803, ki se plizyè mwa anvan premye djiyad "Afriken" an, ke Dan Fodio te mennen sèlman an 1804 :
"Islam went its way peacefully, except when traditional leaders sought to block it; then it went to war. Such were the circumstances that led the Fulani Muslim leader Shehu Usuman Dan Fodio (of Sheik Dan Fodio) to begin a jihad, or holy war, in 1804 against the hostile government of King Yunfa of Gobir, considered by jihadists to be a wayward Muslim." (17)
Tradiksyon :
"Islam te fè chimen l nan lapè, eksepte lè lidè tradisyonèl yo te chache bloke li; lè sa, li te ale nan lagè. Se sikonstans konsa ki te mennen lidè Foula mizilman Shehu Usuman Dan Fodio (oswa Sheik Dan Fodio) kòmanse yon djiyad, oswa yon lagè relijyon, nan 1804 kont gouvènman ostil Wa Yunfa de peyi Gobir, ke djiyadis yo te konsidere tankou yon mizilman wòdonn."
Kidonk, Ayiti te deja fin endepandan, ofisyèlman, 1 janvye 1804, ki te yon ti tan anvan "Afriken" mizilman yo, ki te prèske toujou ap viv nan lapè, te fè premye eksperyans ak djiyad.



3- Devan Desalin, Ben Laden te yon anfandkè

S ak ki rèd nan sa, se ke revizyonis yo okouran byen pwòp ke djiyad "Afriken" Dan Fodio a te fèt apre revolisyon ayisyen an. (18) Men, yo si tèlman pa gen agiman, yo kontinye imajine djiyad tankou fòm aksyon militè ki pi radikal ; e ke revolisyon ayisyen an ta dwe soti nan li. Men, ki sa yo konnen toutbonvre sou revolisyon ayisyen an? Ben Laden, kriminèl san manman an, ke yo kwè k te maton nan kraponnen moun, te jis yon anfandkè, devan metòd lagè Janjak Desalin. Paske, pou Jeneral Ayisyen ki fèt ak kwaf sa, tout bagay te pèmèt. Li te prèt pou l te boule 7/8 planèt la, si se pou l te sove libète li te bay pèp li a :
 "Nous avons juré de punir quiconque oserait nous parler d'esclavage. Nous serons inexorables, peut-être même cruels, envers tous les militaires qui viendraient nous apporter la mort et la servitude. Rien ne coûte et tout est permis à des hommes à qui l'on veut ravir le premier de tous les biens. Qu'ils fassent couler des flots de sang, qu'ils incendient, pour défendre leur liberté, les sept huitième du globe, ils sont innocents devant Dieu qui n'a pas créé les hommes pour les voir gémir sous un joug honteux." (19)
Tradiksyon :
"Nou te sèmante pou nou te pini nenpòt ki moun ki ta gen kouraj pale nou de esklavaj. Nou pral wòdonn, petèt menm mechan, kont tout sòlda ki ta vin pote lanmò ak esklavaj bannou. Pa gen okenn pri n ap pè peye, epi tout bagay pèmi kay moun ke yo vle fè dappiyan sou byen ki pi enpòtan ke li genyen an. Ke yo fè yon larivyè san koule, ke yo boule, nan defann libète yo, sèt-wityèm nan lemond, yo inosan devan Bondye ki pa t kreye moun pou l te wè yo ap plenn anba chenn wont sa."
Kidonk, ideyoloji djiyad la, sanblan raz sa de yon rezistans militè mele ak relijyon, bagay sa ki pa janm fè anyen ki gen merit depi yo te l envante la, li se jwèt timoun, devan kokennchenn Revolisyon tradisyonalis ayisyen an. Paske, nan rezistans tradisyonalis la, Loksidan, ki te kwè tèt li mèt nan bay kraponnay ak laperèz, te blije bese ba devan papa ak manman timoun tradisyonalis yo ki te rive jouk nan anpwazonnen, yonn pa yonn, tout manm pwòp fanmi yo, jis pou yo te gen plezi gade mèt esklav la ap soufri akoz de travayè l ap pèdi nan lanmò yonn apre lòt sa yo :
"Quand ils veulent se venger de leurs maîtres, ils empoisonnent ses autres esclaves, les bœufs, les chevaux et les mulets nécessaires à l'exploitation de l'habitation. Ces malheureux, afin de n'être pas soupçonnés, commencent leur crime sur leur propre famille ; ils font périr leur femme, leurs enfants, et leur maîtresse. Ils ne sont pas même excités à toutes ces horreurs par la vengeance seule ; souvent celui qui en forme le projet et qui les commet, est précisément le nègre le mieux traité de l'habitation, celui pour qui le maître a le plus de bontés. Alors sa cruauté ne peut être conduite que par le plaisir barbare d'abuser de la faiblesse de son maître, et de l'humilier en le ruinant, afin de le rapprocher autant qu'il le peut, de la misère de son état." (20)
Tradiksyon :
"Lè yo vle tire revanj sou mèt yo, yo pwazonnen lòt esklav li yo, bèf li, chwal ak milèt li ki nesesè pou travay nan bitasyon l. Malere sa yo, pou yo pa sispèk yo, kòmanse krim yo sou pwòp fanmi yo ; yo touye madanm yo, pitit yo, ak fanm deyò yo. Se pa sèlman tire revanj ki lakòz yo komèt tout zak grav sa yo ; anpil fwa, moun ki planifye pwojè ya, epi ki komèt zak yo, se jisteman nwa ki pi byen trete sou bitasyon an, sila pou ki mèt la gen pi bon kè. Konsa, kriyote li soti sèlman nan plezi sovaj li pran nan abize feblès mèt li, epi nan imiliye l lè li rann li pòv, yon fason pou li rann mèt la pi pre ke l kapab, de nivo mizè ak eta l."
Fò nou di ke li enjis ak ensiltan pou yo konpare aksyon batpran Ben Laden ak djiyadis li yo ki simaye laterè akoz de prozelitis (kidonk pou yo simaye relijyon yo), de aksyon Desalin ki te aji nan yon mòd ekstrèm sèlman pou pwoteksyon dwa pèp li :
"Les crimes les plus atroces, jusqu'alors inconnus, et qui feraient frémir la nature, ont été commis par les Français. Enfin l'heure de la vengeance est arrivée, et les implacables ennemis des droits des hommes ont reçu la punition due à leurs crimes. (...) Victimes mutilées de la cupidité des Français, après avoir enrichi de nos travaux ces oppresseurs insatiables, avec une patience et une résignation sans exemple, nous aurions vu cette horde sacrilège attenter de nouveau à notre destruction sans distinction de sexe ni d'âge ; et nous, qu'ils appelaient hommes sans énergie et sans courage, nous n'aurions pas plongé dans leur sein le poignard du désespoir? (...) Oui, nous avons rendu à ces anthropophages guerre pour guerre, crime pour crime, outrage pour outrage. Oui, j'ai sauvé mon pays, j'ai vengé l'Amérique ! (...) Il est nécessaire, pour raffermir cette union, de vous rappeler les atrocités commises contre notre espèce. Le massacre prémédité de l'entière population de cette île, résolu dans le silence et le sang-froid du cabinet? L'exécution de cet abominable projet me fut effrontément proposée lorsqu'elle était déjà commencée par les Français, avec le calme et la sérénité d'une contenance accoutumée à de semblable crimes." (21)
Tradiksyon :
"Krim ki pi grav, ke pyès moun pa t janm wè anvan sa, e ki ta menm fè lanati tranble, Franse yo te komèt yo. Finalman, lè a pou tire revanj la vini, epi lènmi tchak kont dwa moun yo te resevwa pinisyon pou krim yo. (...) Viktim ki demanbre akoz de arivis Franse yo, apre travay nou te anrichi zòt ki t ap toupizi nou san mande rete, ak yon pasyans epi yon reziyasyon san parèy, nou te wè bann sanzave sa yo tante kraze nou ankò, kèlkeswa sèks ni laj ; epi nou menm, ke yo te rele moun san enèji ak kouraj, nou pa ta dwe plonje nan fyèl yon ponya dezespwa a? (...) Wi, nou te remèt kannibal sa yo gè pou gè, krim pou krim, tray pou tray. Wi, mwen sove peyi m, mwen vanje Amerik! (...) Li nesesè, pou ranfòse tèt ansanm sila, pou nou sonje atwosite yo te komèt kont ras nou. Masak tout popilasyon nan zile sila, yo te planifye, epi dakò sou li nan silans ak sanfwa nan kabinè otorite yo? Ekzekisyon pwojè matchavèl sa, yo te ase efronte pou yo te pwopoze m li, lè Franse yo te deja kòmanse li, ak yon kalm epi ak yon kè poze ke moun ki gen abitid fè jan de krim sa yo genyen."
Vreman vre, osi bonè ke nan lane 1791, Franse yo te fè zak jenosid tankou enjekte moun Nwa ak lavaryòl :
"In Jérémie, in the Grande Anse, whites imprisoned local free men of color on a ship in the harbor and deliberately infected them with smallpox ; only a third of them survived." (22)
Tradiksyon :
"Nan Jeremi, nan Grandans la, blan yo te mete moun lib dekoulè [milat] nan zonn nan, nan prizon sou yon bato ki te mare nan waf la, epi yo te fè espre enfekte yo ak lavaryòl ; sèlman yon tyè nan yo te siviv."
Charles Leclerc, kòmandan ekspedisyon franse ki pote non l an, te ekri Premye Konsil Napoleon Bonaparte, bòfrè li, nan dat 7 oktòb 1802. Leclerc te eksplike plan l pou ekstèminen popilasyon Nwa a :
"Voici mon opinion sur ce pays. Il faut détruire tous les Nègres des montagnes, hommes et femmes, ne garder que les enfants au-dessous de 12 ans, détruire moitié de ceux de la plaine et ne pas laisser dans la colonie un seul homme de couleur qui ait porté l'épaulette. Sans cela jamais la colonie ne sera tranquille et au commencement de chaque année, surtout après les saisons meurtrières comme celle-ci, vous aurez une guerre civile qui compromettra la possession du pays." (23)
Tradiksyon :
"Me opinyon m sou peyi sa. Nou dwe detwi tout Nèg nan mòn yo, gason ak fanm, pou n kenbe timoun ki poko gen 12 lane yo sèlman, nou dwe detwi mwatye nan sa yo ki nan plenn an epi nou pap kite yon sèl moun dekoulè [milat] ki te gen epolèt [ki te ofisye nan lame] nan koloni a. Si se pa sa, pap janm gen kè poze nan koloni a, epi nan kòmansman chak ane, sitou apre tan chire pit tankou sila, ou pral gen yon gè sivil ki pral mete dout sou posesyon peyi a."
Apre lanmò franse jeneral Leclerc a, Rochambeau te aplike plan jenosid li a ak yon dal zak ki fè kè moun plen : nwaye moun, pandye, tire, toufe ak lacho, touye moun ak chen ki antrene pou manje moun, epi, menm ak pratik lage moun nan founo, anvan Nazi yo te fè li :
"A Jérémie, Darbois secondait trop puissamment les vues du gouvernement pour qu'on songeât à le relever. (...) Darbois est le premier qui ait jeté dans un fourneau quinze noirs ou mulâtres. Ce fait est trop connu pour être révoqué en doute. Un individu échappé à ce cruel supplice existe encore à Jérémie." (24)
Tradiksyon :
"Nan Jeremi Darbois t ap mennen vizyon gouvènman an ak twòp fòs pou ke yo ta menm panse ranplase li. (...) Darbois te premye ki te jete kenz nwa oswa milat nan yon founo dife. Twòp moun konnen reyalite sa pou ke ta gen dout sou li. Yon moun ki te chape pinisyon mechanste sa toujou vivan nan Jeremi." 

4- Desalin, Lavalas ak Dechoukaj

Fò nou sonje ke Desalin te dekri nati lagè li t ap renmen a. E deskripsyon li te bay la pa t gen anyen ki ta ka sanble ak yon djiyad oswa anyen ki nan doktrin mizilman ki gen rapò ak djiyad. Okontrè, deskripsyon l an te soti konsa :
"Comme un torrent débordé qui brise tout ce qui se trouve sur son passage, votre fureur vengeresse a renversé tout ce qui s'opposait à sa course impétueuse." (25)
Tradiksyon :
"Tankou yon lavalas k ap desann epi ki kraze tout bagay nan chemen li, kòlè revanj nou te dechouke tout sa ki te bare rout vanyan li."
Nenpòt ki moun ki yon ti jan abitye ak kilti ayisyen an pral fasilman rezime fraz Desalin nan ak yon mo, se pa mo arab djiyad la, men ak "Lavalas", yon mo kreyòl ki toujou itilize nan tan meteyo tankou nan politik :
"Lavalas : 1. torrent, déluge. 2. Fanmi Lavalas. Organisation politique." (24)
Tradiksyon :
"Lavalas: 1. toran, inondasyon. 2. Fanmi Lavalas. Òganizasyon Politik."
Konsa tou, nan fraz Desalin an, lè nou tradwi mo franse "renversé" a, nou jwenn "dechouke":
"Renverser : dechouke, ranvèse, kapote." (27)
Vèb "Dechouke" a bay non "dechoukaj" la. E menm jan ak "Lavalas", "Dechoukaj" oswa "Dechoukay", se yon mon ki toujou itilize an Ayiti, pou di yon pyebwa yo rache tout rasin li, oswa yon mouvman revolisyon ak politik ki gen yon vyolans pete fyèl.

Anplis, yon lòt pwen ki separe aksyon Desalin yo de zak ak entolerans sasinè mizilman yo, chita nan lefèt ke lidè Ayisyen an, yon fwa Franse yo te siyen pou yo rann tèt yo, epi yo te bat zèl yo toutbonvre, te deklare ofisyèlman, nan 29 novanm 1803, ke li te regrèt ke te gen inosan ki te pèdi lavi yo :
"Si, dans les divers soulèvements qui ont eu lieu, des Blancs, dont nous n'avions pas à nous plaindre, ont péri victimes de la cruauté de quelques soldats ou cultivateurs, trop aveuglés par le souvenir de leurs maux passés pour distinguer les propriétaires humains de ceux qui ne l'étaient pas, nous déplorons sincèrement leur malheureux sort, et déclarons à la face de l'univers que ces meurtres ont été commis malgré nous. Il était impossible, dans une crise semblable à celle où se trouvait alors la colonie, d'arrêter ou prévenir ces désordres. Ceux qui ont la moindre connaissance de l'histoire savent qu'un peuple, qu'il fût le plus policé de la terre, se porte à tous les excès lorsqu'il est agité par les discordes civiles, et que les chefs n'étant pas puissamment secondés, ne peuvent pas punir tous les coupables sans rencontrer sans cesse de nouveaux obstacles. Mais aujourd'hui que l'aurore de la paix nous présage un temps moins orageux et que le calme de la victoire succédé aux désordres d'une guerre affreuse, Saint Domingue doit prendre un nouvel aspect, et son gouvernement doit être désormais celui de la justice." (28)
Tradiksyon :
"Si, nan plizyè levekanpe ki genyen, kèk Blan, nou pa t gen anyen pou repwoche yo, te mouri viktim mechanste kèk sòlda oswa kèk peyizan, ke memwa malè yo te sibi te avegle yo pou pa t ka fè diferans ant mèt ki te aji byen yo ak sila ki pa t konsa yo, nou sensèman regrèt move sò yo, epi nou deklare devan linivè ke asasina sa yo te rive malgre nou. Li te enposib, nan yon kriz tankou sa ki te nan koloni an, pou nou te met otan oswa anpeche dezòd sa yo. Sila yo ki gen menm yon ti kal konesans de listwa konnen ke yon pèp, menmsi li te pi sivilize ki sou latè, rive lage kò l nan move zak lè chirepit ajite l, e ke chèf li yo, kòm yo pa t gen bon asistan, pa t ka pini tout koupab yo san yo pa t jwenn tout tan ak lòt pwoblèm. Men kounye a ke solèy lapè a leve sou yon tan ki mwen move, epi kè poze viktwa a ranplase dezòd ki te nan lagè fann fwa a, Sendomeng dwe pran yon figi tou nèf, epi gouvènman l dwe kounye a vin kina lajistis."
Kapasite Desalin nan kite laterè lagè a dèyè nan benefis lajistis, bon vwazinay ak lapè, te parèt klè nan azil li te bay Alman ak Polonè ki te mete men avè li : 
"Comme il est dérogatoire à ma dignité et à ma mémoire de punir l'innocent pour les crimes du coupable, une poignée de blancs, recommandables par les sentiments qu'ils ont toujours professés, et qui ont en outre fait le serment de vivre avec nous dans les bois, ont éprouvé ma clémence. J'ordonne qu'on les laisse vivre et qu'ils ne soient point mal traités.
Je recommande de nouveau, et j'ordonne à tous les généraux des départements, de garantir se cours, encouragement et protection à toutes les nations neutres ou alliées qui désireraient établir des relations commerciales dans cette île." (29)
Tradiksyon : 
"Kòm li ta imilyan pou diyite m ak memwa m si m ta pini moun ki inonsan an pou krim koupab la, yon ti ponyen blan, louab pou santiman ke yo te toujou fè konnen, epi ki te pwomèt pou yo viv ak nou nan rakbwa yo, enbe mwen epanye yo. Mwen bay lòd ke yo kite yo viv e ke yo pa dwe maltrete yo.
Mwen rekòmande ankò, epi mwen bay lòd pou tout jeneral depatman yo, garanti eta sa, ankourajman ak pwoteksyon pou tout nasyon ki net oswa alye ki vle etabli relasyon komèrs nan zile sila."
Gen lòt pwen ki rete pou nou leve pou nou sa demake Janjak Desalin de nenpòt mouvman mizilman. Men, anvan nou fè sa, nou pral analize ak plis detay ti kal agiman revizyonis yo, sitou sa ki gen rapò ak Desalin yo.

5- Relijyon ak konstitisyon Desalin an

Si Desalin te aktyèlman yon mizilman, epi li te patisipe nan yon gè relijyon, yon djiyad, ke li te genyen, atik lalwa li te pase yo ta va reflete kwayans li. Èske Konstitisyon Enperyal 20 me 1805 la te gen annyen arevwa ak islam ? (30)
  • Referans sou relijyon yo : Depi nan kòmansman, diskou ki prezante Konstitisyon Desalin an te pale de Granmèt la (Èt Siprèm an) epi de Lanati: "Devan Granmèt la, kote nou tout ki gen pou n mouri yon jou egal ego, limenm ki kreye tout kalte diferan kreyati nan 4 pwen kadino pou l montre jan li gran, pou l montre fòs li nan jan l ka fè sa l pito jan l pito ; Devan lanati, kote san rezon epi pou si tèlman lontan nou t ap viv tankou pitit deyò."
    Granmèt la, Èt Siprèm an, te rete net nan ekriti a. Li pa te indantifye tankou Ala (Allah) oswa Mawomèt (Mizilman), ni tankou Jeyova (Kretyen). Men, te gen referans bay Lanati, ki se yon pratik Tradisyon Zansèt la. Paske Lanati ki gen tout fòs ak pwisans simaye nan ekriti Desalin yo, jan nou pral wè titalè.
  • Non Bondye : Mo Bondye a te parèt sèlman de fwa nan konstitisyon 1805 la ; se te nan Atik 37 ki klarifye ke : "Tout zak leta ap fè dwe fèt ak dizon sila a : “Anperè Ayiti epi Chèf alatèt lame a, ak lagras Bondye epi lalwa konstitisyonèl leta a.”. Epi, nan fen dokiman an, kote Anperè a te rann dokiman an ofisyèl ak mo sa yo : "Noumenm, Jak Desalin, Premye Anperè peyi dAyiti epi Chèf alatèt lame a, selon lagras Bondye ki fè nou epi selon lalwa konstitisyonèl leta." Nan de ka sa yo, non Bondye te lonmen, pa nan yon kontèks mizilman, men nan swiv yon fòmil kretyen ki di "selon lagras Bondye".
  • Non sitwayen yo : Pa te gen okenn referans a islam, ni Ala oswa Mawomèt nan Konstitisyon Enperyal la. Li pa gen okenn referans de sitwayen kòm mizilman. Sa ranfòse agiman ke dokiman an pa t gen okenn lyen ak islam. Anplis, apa de "Ayisyen", sèl lòt jan yo te rele moun te gen arevwa ak ras yo. Atik 14 la di konsa : "Apati jodi a nou konsidere tout Ayisyen se moun nwa." Poukisa Desalin pa t deklare tout sitwayen mizilman, si toutbonvre li te nan konfyans mizilman, epi li te apenn soti nan yon djiyad?
  • Referans sou relijyon : Yon konstitisyon mizilman ta va make ak fòs, pozisyon leta sou relijyon. Men, li pa t konsa nan konstitisyon Desalin an ki plase seksyon l "Sou Relijyon" anba dokiman an, nan anvandènye plas la. Kidonk, dèyè seksyon sa yo : "Deklarasyon Preliminè", "Sou Anpir la", "Sou Gouvènman an", "Sou Konsèy Deta a", "Sou Minis yo", "Sou Minis Finans la ak sa k konsène Enteryè peyi a", "Sou Minis Lagè a ak Lanmè a", "Sou Sekretè Deta a", epi, "Sou Tribinal yo". Seksyon "Sou Relijyon" sa di nou klèman ke Desalin pa t yon mizilman. Paske, nan atik 50 la, li deklare ke : "Lalwa pa bay okenn relijyon pye sou okenn lòt." Atik sa pa mache ak relijyon mizilman an ki renmen domine lòt. Atik 51 an, limenm, mande libète relijyon : "Tout moun gen dwa pratike relijyon yo pito.", pandan ke atik 52 a konfime ke Leta ap rete net, kidonk li pap fè moun pa nan zafè relijyon : "Leta pa p pran responsabilite okenn relijyon oswa okenn responsab yon relijyon.".
  • Jere moralite : Atik 14 ak 15 nan seksyon "Dispozisyon Jeneral" la pwopoze mezi sou maryaj ki te bay anpil libète pou tan sa. Mezi liberal sa yo te kont lwa mizilman yo rele charya a (shari'ah) : "Maryaj se yon zak sèlman sivil leta otorize.", "Lalwa rekonèt moun ki marye ka divòse nan sikonstans lalwa prevwa epi lalwa deside yo.".
  • Jou fèt nasyonal yo : Atik 27 nan seksyon "Dispozisyon Jeneral" la bay lis fèt yo konsa : "Ap genyen fèt nasyonal pou fete Endepandans peyi a, fèt Anperè a ak madanm li, fèt Agrikilti, epi fèt Konstitisyon an." Se pa etonan ke pa t gen okenn fèt mizilman nan Anpir a, ke revizyonis yo di te kreye akoz de yon "djiyad" ki soti nan imajinasyon yo.
Kidonk, dapre konstitisyon 20 me 1805 la, Anpir Jak Premye a, yo te rele Desalin, pa t pou okenn relijyon. Men, kijan sa te ye nan lavi Desalin?


6- Desalin ak alkòl

Dapre temwen Descourtilz, Desalin ak ofisye l yo te konn bwè tafya (alkòl fò), yon pratik ki pa sèlman entèdi pa islam, men ki pa diy de yon lidè, ke yo di, te patisipe nan yon lagè relijyon mizilman :
"Après avoir ainsi long-tems combattu la fatigue et respiré une poussière désagréable, nous arrivâmes au haut d'un morne couvert de lataniers auxquels on venait de mettre le feu, pour prévenir les embuscades. N'ayant bu ni mangé depuis deux jours, et rencontrant un cabrouet chargé de provisions pour Dessalines, je tendis la main à une femme de couleur qui, après m'avoir reconnu, me plaignit beaucoup, et m'ayant fait désaltérer, me donna quelques aliments que je dévorai sans discontinuer notre marche. Enfin, Honorine (c'était le nom de cette jeune mulâtresse) ranima mes forces avec un coup du tafia qu'elle portait dans un coco aux officiers ; elle me fit aussi le cadeau d'une morue salée, en m'assurant qu'elle ne pouvait faire mieux pour moi jusqu'au lendemain." (31)
Tradiksyon :
"Apre nou te konbat fatig pou yon bon bout tan epi respire yon pousyè dezagreyab, nou te rive anwo tèt yon mòn ki kouvri ak latanye ke nou te met dife landan l, pou anpeche anbiskad. Kòm mwen pa t bwè oswa manje depi de jou, epi m te rankontre yon kabwèt chaje ak pwovizyon pou Desalin, mwen te lonje men bay yon milatrès ki, apre l te rekonèt mwen, te gen anpil pitye pou mwen, epi apre li te ban m bwè, il te ban mwen kèk moso manje ke mwen te devore san sispann mache nou. Finalman, Honorine (se te non jenn milatrès la) te fè m reviv ak yon kout nan tafya a ke li t ap pote nan yon kokoye pou ofisye yo ; li te fè m kado lanmori tou, pandan l te asire m ke li pa t ka fè plis pou mwen ke nan demen."
Descourtilz te sèvi tafya bay sòlda Desalin ki t ap veye l:
"Mes succès dans les cures des blessés, que je traitais par les plantes du pays d'après la combustion des pharmacies, me donnèrent auprès des autorités noires un relief qui me rendit bientôt un important personnage, non point du côté de la puissance, puisque sans cesse et par-tout accompagné de quatre dragons, je ne pouvais seul faire un pas, car on était persuadé qu'il me tardait de rejoindre la colonne française. Aussi ces quatre cavaliers, considérés comme mes protecteurs et nommés pour ma garde d'honneur, avait par dessous main l'ordre de me fusiller au moindre projet de désertion. Comme j'avais soin d'eux, et que je n'épargnais ni le tabac ni le tafia, je captai leur confiance, au point qu'ils me dévoilèrent sans artifice la consigne qui leur était donnée." (32) 
Tradiksyon :
"Siksè mwen nan geri blese yo, ke mwen te trete ak fèy peyi a apre ke famasi yo te boule, te ban m grad devan otorite nwa yo ki te fè m tounen yon moun enpòtan, kwake m pa t nan bò pouvwa a, pwiske kat dragon [sòlda] pa t sispann akonpaye m tout kote, mwen pa t ka fè yon sèl pa, paske yo te konvenki ke mwen te vle al rejwenn kan franse a. Epitou kat kavalye sa yo, ki te konsidere tankou pwotektè mwen ke yo te chwazi pou fè gad mwen, te gen anplis lòd fizye m depi m chache chape. Kòm mwen te gen bezwen yo, epi m pa t kras ni ak tabak ni ak tafya, yo te gen konfyans nan mwen, jouk yo te rive pale kare avè m pou yo revele lòd yo te genyen."
Kòmandan Leandre te voye kat dragon (ki nan twoup Desalin an) chache Descourtilz ki te achte yo ak tafya :
"Léandre m'envoya quatre dragons et un cheval de monture sellé et bien harnaché, avec invitation de venir au secours de sa femme qui venait d'accoucher d'un enfant mort, et était dans le plus grand danger.
Mon heure sûrement n'était point encore venue ! Je me sentis de la répugnance à faire cette démarche; de son côté Pompée, saisissant le tafia, offre la goutte aux quatre dragons, les fait jaser, puis de suite monte la tête des malades, afin qu'ils ne me laissent pas partir, en disant que je leur suis spécialement destiné, et que le général Dessalines serait offensé de la moindre absence." (33)
Tradiksyon :
"Léandre te voye banm kat dragon ak yon chwal sele ki byen atle, ansanm ak yon envitasyon pou m al sove madanm li ki fèk akouche de yon timoun ki mouri, e ki te nan pi gwo danje.
Lè mwen te siman pa t ankò rive! Mwen te gen yon repiyans pou m te fè rout sa ; bò pa li, Pompée, te pran tafya a, epi l te ofri kèk gout bay kat dragon yo, li fè yo pale, epi li monte tèt malad yo, pou yo pa kite m pati, yo di ke mwen espesyalman la pou yo, e ke jeneral Desalin ta ofiske si m fè yon ti soti."
Diaquoi ki te èd-de-kan Desalin, te gen plan pou bay gad Descourtilz yo tafya melanje ak opyòm pou ede li chape kò l :
"Diaquoi, en se promenant, toussant, ruminant, enfin tout en jasânt avec les sentinelles qui ne le savaient point disgracié, leur ferait désirer un coup de tafia dont ils étaient frustrés depuis si long tems, qu'il ferait valoir son artifice, et vanterait sa générosité, que la bouteille serait ouverte, puis rebouchée, qu'enfin il en serait donné une rasade à la dérobée, et sous condition expresse d'une exacte surveillance. Belle promesse!... le tafia contenant de l'opium devait les mettre hors d'état de service." (34) 
Tradiksyon :
"Diaquoi, pandan l ap mache, pran touse, depale, kidonk pandan l ap diskite ak gad yo ki pa t konnen l te yon vakabon, gen pou l ba yo anvi pran yon kout tafya ke yo pa t jwenn depi si tèlman lontan, ke li pral kapab fè magouy li a mache, epi li pral pran vante jan li gen jenerozite, ke li pral louvri boutèy la, epi li pral rebouche l, finalman li pral bay yo bwè jouk yo sou, a kondisyon ke yo siveye yo kòmsadwa. Bèl pwomès!... tafya a ki gen opyòm ladan ta dwe delala yo."
Descourtilz te bwè diven ak tafya nan kan Desalin an pandan batay nan Lakrètapyero (La Crête-à-Pierrot) a, e li te konnen ke sòlda Desalin yo ta renmen pran kèk gòje :
"Les troupes privées d'eau et de nourriture avec cette chaleur accablante, obligées de mâcher des balles de plomb dans l'espoir d'étancher leur soif insupportable, provoquaient par cette trituration une salive bourbeuse qu'ils trouvaient encore délicieuse à avaler. Ils souffraient sans se plaindre, par l'espérance de se venger. Languissant de faim, agités par la peur, ces soldats promenaient ces deux sensations opposées sur leur figure moribonde.
Pendant cette affreuse calamité, travaillant sans salaire, privé, ainsi que l'agneau que l'on va égorger, d'une nourriture qui me devenait inutile, un Dieu veillait néanmoins à mes besoins, et sans le secours des chefs qui m'avaient établi, j'avais de l'eau, du pain, du vin, du tafia, et autres provisions qu'eux-mêmes eussent bien désiré de posséder, quoiqu'il ne fut guères possible de manger de sang-froid, ayant par-tout autour de soi la mort présente !" (35)
Tradiksyon :
"Twoup yo te manke dlo ak manje nan yon chalè k ap toufe moun, yo te blije moulen bal an plon yo ak espwa fè swaf ensipòtab la pase, bat bouch yo, sa te bay yo yon saliv labou ke yo te menm jwenn li dous pou yo te vale. Yo t ap soufri san yo pa plenyen, nan espwa yo te genyen pou tire revanj. Redi anba grangou, ajite ak laperèz, sòlda yo t ap trennen de santiman diferan sa yo nan figi fennen yo.
Pandan kalamite ensipòtab sa, m ap travay san touche, san yon manje ki te vin initil, tankou yon mouton yo pral touye, Bondye te veye kanmenm sou mwen, paske san èd chèf la ki te flanke m la, mwen te gen dlo, pen, diven, tafya, ak lòt pwozisyon ke yo menm ta byen renmen posede, menmsi li pa t posib pou yon moun manje ak sanfwa, lè toutotou de wou se lanmò !"
Epitou, Desalin te bwè diven pèsonèlman, dapre temwayaj okilè Jacques de Norvins, ki se sekretè jeneral gouvènman Sendomeng la. Se te pandan yon dine rekonsilyasyon le 6 me 1802, ke jeneral Leclerc te òganize Tousen Louvèti ansanm ak lidè militè nwa yo. Tousen Louvèti, ki te pè anpwazònman, te refize manje, ni bwè diven ; men Desalin te bwè :
"Se te yon resèpsyon solanèl ; mwen te chita prèske anfas Tousen, ki te rive, e èddekan li yo te swiv li, epi madras li te sou tèt li. Li te di ke li te malad, e li pa t menm manje soup ; li pa t vle bwè diven tou. Men se sèlman lè desè a, mwen fè yo ofri l fwomaj Gruyère ; li te pran plat la, li te koupe yon moso kare nan li, e li te detache kat kwen yo nan yon epesè konsiderab, li te pran ak dwèt li sa ki te rete nan operasyon espesyal sila, li te manje l san pen, epi li te bwè yon vè dlo nan yon karaf [vè diven] yo te kòmanse depi lè manje dine a ; e se konsa li te onore tab jeneral an chèf la. Se si, li te montre nou kijan l te sispèk yo te ka pwazonnen l nan repa sila, e lè sila mwen te konprann mwens anpil jan li te neglije kont nou mwayen destriksyon sa a. Kristòf, frè l, ak Desalin, paske fò nou di l, bouro de blan sila te manje ansanm ak nou, te konpòte yo ak pi gwo konfyans, e yo te repare, nan mezi sa te nan yo, ensilt ke ansyen chèf yo a te fè lamanjay kapitèn-jeneral la." (Trad.) (36)
Kidonk, Desalin, tankou Kristòf, te manje ak bwè diven nètalkole, pou li te "repare" ensilt la ke mefyans chèf li Tousen Louvèti te lakòz. Konsa, si Desalin te nan lafwa mizilman an, li pa t ap pran pa nan manje sila ki pa nan sans entèdiksyon relijyon islam an. E òganizatè lamanjay la ta va konprann sa, epi Jacques de Norvins, ki te rakonte istwa a, ta va ekri detay sa.Anplis de sa, lè li te vin mèt zile a, Desalin pa t janm panse entèdi yo vann klèren nan teritwa li. Natirèlman, pri tafya (alkòl fò) te parèt, pami lòt pwodwi, nan jounal ofisyèl Anpi a ; e sa, se depi 31 oktòb 1805 :

Sous : Gazettte Politique et Commerciale d'Haïti. No.46, du Jeudi 31 octobre 1805. p.184.

Menm jan an tou, nan dezyèm nimero jounal ofisyèl la, nan dat 22 novanm 1804, yo te anonse vant zafè relijye katolik tankou katechis pou kominyon, orezon ak nevèn :

Sous : Gazettte Politique et Commerciale d'Haïti. No.2, du Jeudi 22 novembre 1804. p.8.


Men, nou pa janm wè anons pou lavant koran yo ak lòt materyèl ki gen rapò ak islam. Rezon an senp. Relijyon islamik la pa t gen arevwa ak reyalite Ayiti. 


7- Desalin ak vyann kochon

Revizyonis yo te fè fot nan chache tabli yon lyen degrenngòch ant Liberatè Ayiti a ak islam. Kijan yon moun ka fè konnen ke revolisyon ayisyen an te islamik, lè Klè-Erez (Claire-Heureuse), premye dam, ak madanm Desalin, ki te gen anpil jenerozite, te posede pwovizyon vyann kochon sale, nan si tèlman kantite ke li gen ase pou l te pataje kèk moso nan rezèv pèsonèl li, bay Descourtilz, ki te yon kolon franse ki t ap pran swen twoup yo? :
"Honorine tint parole, et ayant parlé de moi à Mme Dessalines, je reçus un peu d'argent et du porc salé, ainsi que des légumes secs, avec recommandation expresse de garder le silence à l'égard d'un bienfait qui ne devait point être connu."  (37)
Tradiksyon :
"Honorine te kenbe pawòl, e kòm li pale Madan Desalin de mwen, mwen te resevwa kèk monnen ak kochon sale, ansanm ak legim seche, ak rekòmandasyon fèm pou m pe bouch mwen sou benefis sa ke zòt pa dwe konnen."
Baze sou sitasyon sa a, nou ka di ke Desalin ak twoup li yo te konn manje vyann kochon ke islam fòmèlman entèdi.
 

a) Desalin te otorize yo enpòte vyann kochon

Temwayaj Pierre Chazotte sa ba nou yon prèv solid ke Desalin pa t gen lyen ak islam. Nan maten 13 mas 1804, Pierre Étienne Chazotte, yon kolon franse nan Jeremi te gen lavi l sove paske sòlda Desalin yo te pran l pou yon Ameriken. Se poutèt sa, Gouvènè-Jeneral Desalin te fè yo rele l, pou mande l ekri Ameriken parèy li, yon fason pou ranfòse echanj komèsyal ant zile a ak Etazini. Echanj komèsyal sa ta gen nouvo enpòtasyon zam ladan, ansanm ak kontinye enpòtasyon manje, tankou vyann kochon, ke Desalin di li "kontan fè echanj pou kafe" :
""You Americans bring to this country nothing but fish, pork, beef, flour, rice and some dry goods ; we are glad to exchange those things for coffee ; but we also want gunpowder, shot, muskets, swords and all kinds of ammunition ; and above all some strongly built and fast sailing vessels, pierced for cannon, to guard our coasts and protect them against the French privateers. Write, write to your friends—let them send all those things whatever may be the cost, I will pay them well and make their fortunes, &c.”" (38)
Tradiksyon :
""Woumenm Ameriken pote jis pwason, kochon, vyann bèf, farin, diri ak kèk machandiz sèk, nan peyi sa; nou kontan fè echanj bagay sa yo pou kafe ; men nou vle poud kanno tou, bal, fizi, epe ak tout kalite minisyon ; e pi enpòtan menm, kèk batiman bati solid epi rapid, ki gen twou pou kanno, pou n ka fè gadkòt peyi nou epi pwoteje plaj yo kont pirat franse yo. Ekri, ekri bay zanmi w yo—fè yo voye ba nou tout bagay sa yo kennenpòt pri yo, m ap peye byen, epi m ap fè fòtin yo, etratiye.""

an) Komèrs vyann kochon, pa bagay nòmal, nan peyi Ayiti endepandan

Apre lanmò Anperè Desalin, pandan ak anvan rèy li, yo te konn vann ak manje vyann kochon kontinyèlman, san pa t gen okenn fòm de entèdi oswa atansyon espesyal ki te mete sou sa. Sa t ap ka janm pase konsa, si Sendomeng oswa Ayiti te gen rapò ak islam. Tablo sila, ki pibliye nan 1819 pa Herard-Dumesle (limenm ki pral, yon ti tan apre, pibliye "sèman" nan Mònrouj la), te montre ke vyann kochon te vann san pwoblèm nan peyi a (omwen nan pati Lwès ak Sid la, kote Herard-Dumesle te rete, paske Ayiti te divize an 2 bout, jouk 1820), tankou yon pwodwi nòmal :

 
 
Sous : Hérard-Dumesle. "L’observateur", vol. XI, Cayes, 1819. p.15.

b) Mizilman Nwa nan Sendomeng yo pa t konn fè lagè, ni manje vyann kochon

Revizyonis Aisha Khan te fè tout sa l te kapab pou l te montre ke islam ki te pratike nan Sendomeng an te kreyòl oswa melanje (senkretik) jouk li te admèt manje vyann kochon :
"As the demographic majority in the region, Afro-Caribbeans are differentiated according to Old World ethno-linguistic group history (e.g., Hausa, Yoruba) and culturally authenticated by scholars according to the “creolized” or “syncretic” religions that they brought to, and elaborated in, the New World (e.g., Vodou, Candomblé). Islam among these populations was also “creolized” (and, indeed, was never “pure” to begin with) and in some cases was folded into other religious traditions." (39)
Tradiksyon :
"Antanke majorite demografik nan rejyon an, Afro-karayibeyen yo diferan dapre istwa  group etno-lengistik yo ki nan Ansyen Mond la (egzanp, Awousa, Yorouba) epi entelektyèl yo otantifye kilti yo dapre relijyon "kreyòl" oswa "senkretik" ke yo te mennen, epi elabore, nan Nouvo Mond la (egzanp, Vodou, Kandonmble). Islam tou, nan mitan pèp sa yo te tounen "kreyòl" (epi, toutbonvre, li pa te janm "san melanj" pou kòmanse), e nan kèk ka, yo te foure l anndan tradisyon lòt relijeon"
Revizyonis angran sila, pa t jwenn okenn sipò reyèl nan koloni Sendomeng la. Alò, li te kite kad patikilye sila, pou l te monte desann nan mond Karayib pale angle a, kote plizyè kilti melanje. Men pwen li te vle pwouve a rete yon jwèt timoun. Li vid epi l san gou. Paske Descourtilz, te deja fè nou konnen depi lontan ke kaptif mizilman (Bèrnon - ki soti nan Wayòm Kanem Bornou nan Tchad - ak Foula) nan Sendomeng yo te kenbe lòd lafwa yo, poutèt sa, yo pa t manje vyann kochon, ni yo pa t fè lagè*** :
"La religion dominante des nègres de Beurnon a beaucoup de rapport avec celle des Phylanis. L'ambition est un monstre à leurs yeux : ils ne cherchent qu'à protéger leurs semblables; c'est pourquoi ils ne font jamais la guerre. Sévères observateurs de l'hospitalité, si un étranger arrive au pays de Beurnon, le chef de cette peuplade unie, pour capter les bonnes graces de l'inconnu et le retenir dans ses étals, lui donne des terres et une de ses filles en mariage.
Il lui est de plus fourni des vivres jusqu'à la première récolte qu'il aura pu faire. Voilà, ce me semble, les premiers fondements de la religion naturelle : « Faites aux autres ce que vous voudriez qu'on vous faît ».
Ils ne mangent de viande que celle sacrifice et bénie par leur grand-prêtre, appelé alpha [Viande halal]. L'usage de la viande de porc leur est interdit. Un homme qui fait pénitence. Beurnon, se tient sur les grands chemins, avec des canaris pleins d'eau, dont il offre, par charité, à tous les passants ou voyageurs fatigués." (40)
Tradiksyon :
"Relijyon pi fò nwa ki soti Bèrnon yo gen anpil rapò ak pa Foula yo. Anbisyon se yon bagay yo pa vle wè : yo sèlman chache pwoteje pwochen yo ; se poutèt sa yo pa janm fè lagè. Kòm yo rèd nan resevwa moun, si yon etranje rive nan peyi Bèrnon an, chèf bann ini a, pou li fè etranje a plezi, epi kenbe l nan bouk la, li bay li tè ak yonn nan pitit fi l pou marye.
Anplis, l ap ba li viv jouk premye rekòt ke l ap fè a. Se sa, dapre mwen, ki premye baz relijyon lanati a : "Fè zòt sa ke w ta renmen yo fè w".
Yo manje sèlman vyann ke sakrifis li te beni pa gran-prèt la yo rele alfa [Vyann halal]. Manje vyann kochon entèdi pou yo. Yon nonm ki fè penitans. Bèrnon, kanpe nan gran chimen, ak yon kannari dlo, pou li ofri, pa charite, tout moun k ap pase oswa tout vwayajè ki bouke."
Nan limyè pratik san melanj kaptif mizilman nan Sendomeng yo, nou ka di ke Desalin ak lidè revolisyon ayisyen yo, ki pa t evite manje vyann kochon, pa t mizilman.



8- Kwayans Desalin

Nou te analize lwa Desalin te mete yo. Konnye a, annou gade kwayans li apati de tèks li, epi apati de aksyon li dapre ekriti moun ki te temwen.

a) Desalin te vanje Amerik, pa Ala

Wit jou apre li te pini Franse yo Okap, Desalin, nan diskou li nan dat 28 avril 1804, te deklare : "Mwen sove peyi m, mwen vanje Amerik!". Konsa, li konfime ke li te sove peyi l de jenosid la ke Franse yo te mete an mouvman ; epi an menm tan, li te tire revanj pou kontinan Amerik la (espesyalman Matinik ak Gwadloup ki se peyi ewo Louis Delgrès) de krim yo te soufri anba Ewopeyen yo :
"Où est l'Haytien assez vil, assez indigne de sa régénération, pour penser qu'il n'ait pas rempli les décrets du ciel, en exterminant ces tigres sanguinaires. S'il en est un, laissez-le fuir ; que la nature indignée l'éloigne de notre sein. (...) Oui, nous avons rendu à ces anthropophages guerre pour guerre, crime pour crime, outrage pour outrage. Oui, j'ai sauvé mon pays, j'ai vengé l'Amérique ! L'aveu que je fais à la face du ciel et de la terre, fait mon orgueil et ma gloire : quelle est pour moi la conséquence de l'opinion qu'auront de ma conduite mes contemporains et les générations futures ? J'ai fait mon devoir, je m'approuve, cela me suffit." (41)
Tradiksyon :
"Kote l ye, Ayisyen an ki ase ba, ase engra de lavi li, pou l panse ke li pa t ranpli lòd syèl la, lè li te disparèt tig sanginè sa yo. Si gen yonn, kite li pete kouri ; ke lanati ki wont de li elwaye l de nou. (...) Wi, nou te remèt kannibal sa yo lagè pou lagè, krim pou krim, tray pou tray. Wi, mwen sove peyi m, mwen vanje Amerik! Konfesyon sa ke m fè l devan syèl la ak latè, li fè fyète m ak pouvwa m : ki mele m ak opinyon moun nan tan m, ak pa jenerasyon k ap vini yo sou aji mwen? Mwen te fè devwa m, mwen apwouve tèt mwen, sa kont pou mwen."
Nan diskou li sa, Desalin te pran syèl la, latè ak Lanati antanke temwen, sa se yon ajisman ki plis tradisyonalis. Epitou, li pa t deklare "Allah u akhbar!" (Bondye gran!), ki se yon fòmil sòlda mizilman yo toujou ap repete. Ni li pa te di ke li te "vanje Allah" oswa "lafwa mizilman an," jan yon djiyadis ta va fè l. Deviz li te di konsa :  
"Toujours guerre à mort aux tyrans ! c'est ma devise, liberté, indépendance, c'est notre cri de ralliement." (42)
Tradiksyon :
"Toujou lagè jouk lanmò bay abizè yo ! se deviz mwen, libète, endepandans, se rèl rasanbleman nou."
Lè nou analize langaj lagè ke Desalin te itilize, nou ka di ke li pa t yon mizilman. Epi, li pa t mennen okenn djiyad. Li te opere ak prensip zantray la ki se : "Kou pou kou. Bondje ri." Prensip "Kou pou kou. Bondje ri." sa a, se menm jan ak "oeil pour oeil, dent pour dent." (yon grenn je pou yon grenn je, yon dan pou yon dan.) Sofke "Kou pou kou. Bondje ri." resevwa apwobasyon Bondye ki ri, lè li wè yon zak vanjans lejitim rive. Konsa, Desalin pa t bezwen jistifye zak vanjans li bay pyès moun. Revanj li a te beni otomatikman.

an) Desalin nan Lakrètapyero ak Gwadloup

Nouvèl sou zak ewoyik 12 mas 1802 la gaye toupatou. Li se lè Desalin te anonse sòlda l yo entansyon l pou l mete dife nan rezèv poud kanno fò Lakrètapyero (La Crête-à-Pierrot) a ke yo te okipe. Li te di l ap eksploze tèt li, ak tout fò a, si Franse yo ta va mete pye yo anndan l :
""Le lendemain, aux premiers rayons du soleil, Dessalines vit plusieurs colonnes françaises se déployer dans la plaine. Il s'assit sur un tas de boulets, au centre du fort, près de la poudrière. Il se prit à réfléchir pendant quelques minutes. Sortant tout-à-coup de sa rêverie, il se saisit d'une torche enflammée, et dit en créole, en allongeant le bras sur un caisson : « Je ne veux garder avec moi que des braves ; nous serons attaqués ce matin; que ceux qui veulent redevenir esclaves des français sortent du fort, et qu'ils se rangent autour de moi, ceux qui veulent mourir en hommes libres, » La garnison s'écria par acclamations : « Nous mourrons tous pour la liberté! » — «Si les français, continua-t-il, pénètrent dans cette enceinte, je vous ferai tous sauter. » L'on attendit l'ennemi avec impatience." (43)
Tradiksyon :
"Nan denmen, apèn solèy leve, Desalin te wè plizyè kòlonn franse deplwaye nan laplenn an. Li chita sou yon pil boulèt kanno, nan mitan fò a, toupre rezèv poud kanno a. Li pran reflechi pandan kèk minit. Britsoukou, li pantan nan rèv li a, li rale yon chandèl limen, epi li di an kreyòl, pandan li lonje men l sou yon bwat : "Mwen vle kenbe brav sèlman avè m ; yo pral atake nou maten an; sila yo ki vle tounen esklav franse yo, soti nan fò a, e ke yo mete yo bò kote m, sila yo ki vle mouri tankou moun lib." Tout twoup la rele ak tout kè yo : "Nou tout ap mouri pou libète!"— " Si franse yo, li kontinye, antre nan baz sa, m ap fè nou tout sote." Yo pran tann lenmi a ak enpasyans."
Gen kèk ki ka wè fasilman yon lyen islamik nan yon atitid konsa. Men, yo t ap twonpe yo. Paske, mete dife nan yon rezèv poud kanno, se yon abitid ki te popilè nan Loksidan ak nan zonn Karayib la. Nan Sendomeng menm, osi bonè ke nan dat 19 fevriye 1794, nan Lakil, yon nonm Nwa te limen dife rezèv poud kanno nan yon pozisyon Angle, epi sa te touye 60 sòlda Angle. (44) Menm jan tou, nan Ravinakoulèv nan kòmansman 1802, lame Tousen an te eksploze rezèv poud li nan zonn sa, pou anpeche Franse yo met lapat sou li. (45) Finalman, nan jounen anvan evènman nan Lakrètapyero a, Franse yo, te eksploze rezèv zam yo nan bitasyon Plasak, ki chita nan Nòdès Labadi, nan Sid Chemen Dègrankahos la. (Trad.) (46) Desalin, sepandan, te fè taktik sa monte pi wo, lè li te pwopoze pou l fè tèt li sote, e pa senpleman lenmi a.
Anplis de sa, kouraj Desalin pa t jwenn fòs nan doktrin djiyadis ke li pa t menm konnen. Olye de sa, Jeneral sa te pran enspirasyon nan soufrans tout Nwa nan Amerik ak Ewòp t ap sibi ansanm. Nan pwoklamasyon li nan dat 28 avril 1804 la, li te fè konnen ke li te swiv egzanp Delgrès (Delgresse) ki te fè tèt li sote nan Matouba, Gwadloup, nan menm kondisyon an, malgre lefètke aksyon Desalin nan 12 mas 1802 nan Lakrètapyero a,**** te fèt de mwa anvan jès brav Louis Delgrès la ki te rive nan 28 me nan menm ane sa :
"La Guadeloupe pillée et détruite, ses ruines encore fumantes du sang de ses enfants, les femmes et les vieillards passés au fil de l'épée ! Pèlage lui-même, victime de leur perfidie, après avoir bassement trahi son pays et ses frères! Le brave et immortel Delgresse, qui sauta avec le fort qu'il défendait, plutôt que d'accepter leurs fers ! Magnanime guerrier ! cette noble mort, loin d'affaiblir notre courage, ne servira qu'à augmenter en nous la résolution de te venger ou de te suivre. Le déplorable destin de nos frères répandus en Europe? et (affreux avant-coureur de la mort) ce terrible despotisme exercé à la Martinique ! Malheureux peuple, puissé-je voler à votre secours et briser vos fers ! Hélas ! une barrière insurmontable nous sépare ; mais peut-être une étincelle du feu qui nous enflamme s'allumera dans vos cœurs, peut-être, au bruit de cette révolution, soudainement éveillés de votre léthargie, les armes à la main, vous réclamerez vos droits sacrés et inviolables.
Après le terrible exemple que j'ai justement donné, que tôt ou tard la justice divine envoie sur la terre des esprits forts, au-dessus de la faiblesse du vulgaire, pour la destruction et la terreur des méchants, tremblez ! tyrans usurpateurs, fléaux du Nouveau-Monde, nos poignards sont aiguisés, votre punition est prête ! " (47)
Tradiksyon :
"Yo fè piyay epi yo detwi Gwadloup, lafimen san timoun li yo poko fin etenn, fanm ak granmoun aje, yo te filange yo ak kout epe ! Pèlage limenm, te viktim yo nan trèt, apre ke li pa t wont trayi peyi l ak frè l yo!  Brav ak imòtèl Delgresse la, ki te sote tèt li ak fò li t ap defann an, olye ke l te aksepte chenn yo! Vanyan sòlda! lanmò nòb sila, pa prèt pou afebli kouraj nou, li pral sèlman sèvi pou ogmante rezolisyon nou pou nou vanje w oswa pou nou swiv ou. Sò tris frè nou yo ki repann nan Lewòp yo? ak (terib prezaj lanmò) zak diktatè terib sa ki te egzèse nan Matinik ! Pèp malere, si m te ka vole nan èd ou ak kase chenn ou! Ay ! Elas ! yon baryè twò wo separe nou ; men petèt yon etensèl dife ki anflamen ka limen nan kè w, petèt, bri revolisyon sila, toudenkou ka reveye w nan dòmi di w la, zam nan men, wa va mande dwa sakre w ak entouchab ou yo.
Apre egzanp terib mwen te fèk bay la, ke to ou ta lajistis Bondye voye sou tè a kèk moun tèt fò, ki wè pi wo pase moun mòlòlò konsa konsa a, pou kraze ak kraponnen mechan yo, tranble ! abizè vòlò, kalamite Nouvo-Mond la, ponya nou byen file, pinisyon w pare!"
Epitou, nou dwe sonje ke tankou Desalin, Louis Delgrès, pa t yon mizilman. Li te "yon milat nan sèvis revolisyon pou egalite ak libète a". (Trad.)  (48) Gen plis chans, ke Delgrès pa t yon tradisyonalis tou. Men, sa pa t anpeche l sote tèt li, ansanm ak frè l ak sè l nan batay la, paske li te gen anvi "Viv lib oswa mouri", ki se yon eslogan ki sanble ak "Libète oswa lanmò" ke Desalin ak revolisyonè Ayisyen yo te genyen.


"Fò Lakrètapyero"
Desen : H. Clerget. In : Edgar La Selve. "La république d'Haïti, ancienne partie française de Saint-Domingue" In :  Le tour du monde, Paris, 1871. p.190.

b) Desalin, Lwa Lanmè a (Agwe) ak lanati

Doktrin mizilman an rezève tout glwa pou Ala (epi Mohamèd), epi li voye jete sa li konsidere tankou adore fetich ; kidonk, lè yo bay fenomèn natirèl yo glwa pou fòs yo. Konnye a, Desalin, ki te bay lanati anpil kredi. Li te wè nan li yon fòs envizib ki t ap ede rebèl yo. Sa se yon kontradiksyon klè ak islam. Nan plizyè deklarasyon, Jeneral Ayisyen an, an akò ak vizyon laj, total kapital ke tradisyon zantray la genyen. Li te selebre eleman lanati yo ak "Lwa" (Jeni) ki kòmande yo, e ki klèman te pi pito kan lame l la :
"Laissez venir cette nation, si elle est assez insensée ou assez téméraire pour m'attaquer. Déjà, à son approche, le génie irrité d'Hayti, sortant du fond de l'Océan, se lève menaçant ; il soulève les vagues, excite les tempêtes, et, de sa main puissante, disperse et détruit les flottes. Les lois de la nature obéissent à sa formidable voix ; les maux, la peste, la famine, le feu, le poison sont toujours à ses ordres. (...) Où est l'Haytien assez vil, assez indigne de sa régénération, pour penser qu'il n'ait pas rempli les décrets du ciel, en exterminant ces tigres sanguinaires. S'il en est un, laissez-le fuir ; que la nature indignée l'éloigne de notre sein." (49)
Tradiksyon :
"Kite li pwoche, pèp sa ki san konprann ase oswa ki frekan ase pou atake m. Apenn li pwoche, Jeni Ayiti ki pa nan jwèt la, ap soti anba fon Lanmè, l ap kanpe tchak ; l ap ogmante vag lanmè yo, l ap motive tanpèt yo, epi ak fòs ponyèt li, l ap gaye epi detwi batiman yo. Lwa lanati yo obeyi bèl vwa li ; maladi, lapès, grangou, dife, ak pwazon toujou sou lòd li. (...) Kote l ye, Ayisyen an ki ase ba, ase engra de lavi li, pou l panse ke li pa t ranpli lòd syèl la, lè li te disparèt tig sanginè sa yo. Si gen yonn, kite li pete kouri ; ke lanati ki wont de li elwaye l de nou."
Nan egzanp sila, Desalin te pale de Agwe, Lwa oswa Jany (Jeni) Lanmè a. Agwe fè tan lapli, li fè tan solèy, e espesyalman tan siklòn.



9- Bon lagè relijyon Sendomeng la : Nan Ginen kont Djiyad

Desalin pa te angaje nan yon djiyad. Li pa fè sans pou yon moun kwè yon lòt jan, akoz ke dokiman montre ke Desalin te sèvi ak Nan Ginen, yon kwayans ki sòti nan relijyon zantray "Lafrik" la, kòm taktik pou motive lame l la pandan revolisyon an. Nan Ginen se yon sous kouraj militè ki chita sou sistèm kwayans Nwa yo ke lè yo mouri nan konba, yo pral retounen nan Ginen, kidonk nan tè "Lafrik" :

"Tous les nègres, tant les Guinéens que les créoles, croient à la prédestination. Nous avions pour pêcheur un excellent plongeur qui poursuivait les tortues au milieu des caïmans qui en sont très-friands, et s'exposait ainsi à la nage, les narguant, les combattant même quelquefois pour enlever leur proie, bien persuadé qu'il ne périrait point, si ce n'était point son heure.
Pendant la guerre du sud, qui inspirait aux nègres, même aux plus pusillanimes, la bravoure et l'audace? la prédestination. Il leur était dit que tous ceux qui étaient tués au combat, se trouvaient à l'instant transportés en Guinée." (50)
Tradiksyon :
"Tout nwa yo, tan Gineyen, tan kreyòl, kwè nan desten. Nou te gen yon pechè ki te bon plonjè e ki te konn pouswiv tòti yo nan mitan kayiman ki se fanatik manje tòti. E konsa, li ekspoze tèt li nan naje, nan pwovoke kayiman yo, pafwa li menm goumen ak yo pou l rale tòti nan djòl yo, li te kwè di ke li pap peri, si lè li pa rive.
Pandan lagè nan sid la, kisa ki te bay nwa yo, menm pi kapon yo, kouraj ak odas? Predestinasyon (kidonk, kwè ke sò yo trase davans). Yo te di yo ke tout moun ki te mouri nan lagè, t ap ale imedyatman nan Ginen."
Itilizasyon Nan Ginen tankou yon ideoloji militè te obsève plizyè fwa nan koloni Sendomeng la, depi nan kòmansman goumen yo. (51) Yo kontinye itilize l nan tout lagè pou endepandans la, jouk viktwa final la nan 1803. Paske, dapre temwayaj kolon Descourtilz, ki te koute plent kèk kiltivatè Nwa nan Senmak ki te patizan Franse yo, Desalin te melanje fè lwanj retounen Nan Ginen ak estrateji nèg lespri li yo :

  "Pendant la convalescence de cet empoisonne­ment, étant retournés par mer à Saint-Marc, le chemin de terre n'étant plus praticable pour les blancs, nous avions fréquemment des nègres fidèles de l'habitation qui venaient clandestine­ment nous porter leurs plaintes, et nous demander quand les Français auraient le dessus, nous a­nonçant que tous les cultivateurs voudraient bien nous revoir, que les soldats de Dessalines les pillent et les désolent, ravagent en un mot leurs jardins; enfin, pour mieux nous prouver leur bonne foi, ils nous dévoilèrent les secrets de la position alors inconnue, du camp Marchand, dernière retraite de Dessalines, où il devait s'en­sevelir, lui et les siens, sous les décombres de souterrains minés qui eussent entraîné également la perte de tous les assiégeans français. Ils nous avouèrent aussi que les nègres Congos et autres Guinéens étaient tellement frappés de superstition par les discours de leur général, que Dessalines était parvenu à leur faire croire que mourir, tués par les Français, devenait un bonheur pour eux, puisqu'aussitôt ils étaient transportés en Guinée, où ils reverraient papa Toussaint qui les y attendait pour compléter son armée qu'il destine à reconquérir St.-Domingue. Ce systême absurde lui a tellement réussi, disaient-ils, que tous vont au feu avec intrépidité surnaturelle, en chantant des airs guinéens, comme déjà épris de l'espoir de bientôt revoir leurs anciennes connaissances." (52)
Tradiksyon :
"Pandan m t ap refè de anpwazonnman sa, mwen te tounen Senmak pa lanmè, kòm wout tè a pa t posib pou blan yo ankò, anpil fwa, nou te jwenn ak nwa ki te rete fidèl a bitasyon yo, ki, anba chal, te vin kote plent ba nou, epi yo te mande nou ki lè Franse yo ap pran kontròl la, epi yo anonse nou ke tout kiltivatè yo ta renmen wè nou ankò, ke sòlda Desalin yo te fè piyay sou yo epi te raze yo, kidonk, yo te ravaje jaden yo ; finalman, pou yo te pwouve nou bòn fwa yo, yo te devwale nou pozisyon sekrè kan Machan an, ke nou pa t konnen, ki se dènye kach Desalin, kote li pare pou l tere tèt li ak tout kanmarad li yo, anba debri ki nan souteren ke yo pyeje, pou pèmèt yo mennen ak yo nan lanmò, Franse ki ta vin atake yo. Yo te devwale nou tou ke nwa Kongo yo ansanm ak Gineyen yo, te tèlman kwè nan sipèstisyon ki genyen nan diskou jeneral yo, ke Desalin te rive fè yo kwè ke si yo mouri anba men Franse yo, se ta va yon kè kontan pou yo, paske yo ap transpòte touswit nan Ginen, kote yo pral rejwenn papa Tousen, k ap tann yo pou ranpli lame li a, ke li gen entansyon rekonkeri Sendomeng. Sistèm san lojik sa te tèlman reyisi, yo te di, ke tout sòlda yo ale nan lagè ak yon kouraj mistik, pandan y ap chante chante ginen, kòm si yo te deja damou ak espwa ke yo pral rewè ansyen zanmi yo vit."
Kidonk, revolisyonè Sendomeng yo pa t fè djiyad ak espwa pou yo ta trouve yo nan mitan Arab nan Lamèk, kote ta dwe rete ap tann yo 72 jenn fi vyèj oswa jenn ti gason ak po klè, koulè grenn pèl vyèj, jan sa ekri nan koran an (sourat 52.24, 56.17, 76.19).+ Yo te vle, nan lanmò, retounen jwenn Zansèt Nwa yo Nan Ginen. Paske, yo te rache yo de Nan Ginen, men yo pa t ka rache Nan Ginen nan yo, akoz ke Nan Ginen, se pa yon syèl chita ap tann. Li toupatou, nan tan prezan, menm jan ak nan tan kap vini, nan lavi, tankou nan lanmò, jan nou ka wè li nan chante tradisyonèl sakre sila :

Nan Ginen tande
Soti isit, vin lòtbò, Nan Ginen tande
Pawòl ou t ap pale a, Nan Ginen tande
Koze ou t ap koze a, Nan Ginen tande.

Epitou, Nan Ginen rive menm depase lanmò. Yon moun kapab ale Nan Ginen pou li sove lavi li :

Tròp paròl nan tèt mwen
Ogoun Balize tr
òp paròl nan tèt mwen
pa pito m kite peyi a
pa pito m kite peyi a 
m prale nan Ginen, pou m sove lavi mwen.

Kidonk, pou jan lavi moun Nwa pa t sipòtab nan tan esklavaj la, Nan Ginen te yon solisyon pou bay li libète nan tout nivo.

 

10- Desalin ak sakrifis pou lespri sòlda k te mouri yo

Sètènman islam rekonèt mati li yo. Men, li pa t ap aksepte lide ke lespri mati sa yo ta va jwenn adorasyon, epi ke yo ta bezwen moun fè aksyon pou pèmèt yo repoze. Atansyon ke Desalin bay lespri mò li yo, ale nan sans adorasyon, toutbonvre. Nou ka wè sa nan pawòl pi ki enpòtan li yo, tankou nan Ak Endepandans Ayiti a, ki soti nan dat 1 janvye 1804 :
"Citoyens indigènes, hommes, femmes, filles et enfants, portez vos regards sur toutes les parties de cette île; cherchez-y, vous, vos épouses, vous, vos maris, vous, vos frères, vous, vos sœurs; que dis-je, cherchez-y vos enfants, vos enfants à la mamelle? Que sont-ils devenus... Je frémis de le dire... La proie de ces vautours. Au lieu de ces victimes intéressantes, votre œil consterné n'aperçoit que leurs assassins; que les tigres dégoutants encore de leur sang, et dont l'affreuse présence vous reproche votre insensibilité et votre coupable lenteur à les venger. Qu'attendez-vous pour apaiser leurs mânes ; songez que vous avez voulu que vos restes reposassent auprès de ceux de vos pères, quand vous avez chassé la tyrannie; descendrez-vous dans leurs tombes sans les avoir vengés? Non, leurs ossements repousseraient les vôtres." (53)
Tradiksyon :
"Sitwayen natif natal, gason, fanm, jèn ti fi kou ti lezanj, pwonmennen je nou nan tout rakwen zile a; chache mari nou, chache madanm nou, chache frè nou, sè nou; pwonmennen je nou chache pitit nou, ti bebe ki nan tete! Kote yo? Koze sa a fè tout san m tresayi... Yo tout disparèt anba grif bèt sovaj yo bay pou kolon blan an. Lè nou founi je n gade toupatou nan zile a olye nou jwenn fanmi nou yo se asasen sanginè yo nou jwenn; se atò san fanmi nou yo ap degoute nan arebò djòl yo, epi je nou nan je yo. Ki sa ou ap tann pou tire revanj? Ki sa ou ap tann pou pèmèt lespri yo repoze nan lapè? Sonje lè nou t ap konbat blan yo nou te vle pou lè n mouri pou n te ka repoze akote papa nou ; Pou di n ap desann anba tè a san nou pa vanje yo? Non, zòsman yo t ap pouse pa ou sot deyò."
Pwoklamasyon Desalin nan dat 28 avril 1804 la, kote li di ke li te vanje Amerik, pale tou de lespri (mânes) ki mande ke yo fè sakrifis pou yo :
"Tyrans, usurpateurs, fléaux du Nouveau-Monde, nos poignards sont aiguisés, votre punition est prête ! Soixante mille hommes équipés, endurcis à la guerre, obéissant à mes ordres, brûlent d'offrir un nouveau sacrifice aux mânes de leurs frères assassinés. (54)
Tradiksyon :
"Abizè, batpran, kalamite Nouvo-Mond la, ponya nou byen file, pinisyon w pare! Swasant mil lòm ame, rèk nan lagè, ki obeyi lòd mwen, pa ka tann pou yo fè yon nouvo ofrann bay lespri frè yo ki sasinen yo."
Jan de pawòl sa yo pa fè pati ditou de mond mizilman an ; epi, li mache mwens ankò ak yon lidè mizilman ki ta va apenn sòt fè yon swadizan djiyad.

a) Desalin ak kalenda fineray la

Islam pa rekonèt moun danse nan lantèman. Men, sòlda Desalin te lage ko yo nètalkole nan Kalinda, ki se yon dans nan fineray pou frè yo ki te mouri nan batay :
"Si Dessalines aimait ses troupes, c'était comme soutiens de son pouvoir, et exécuteurs de sa volonté. Employant contre les crimes politiques la baïonnette, le poison, les noyades, il ne punissait ses soldats que par le fusil ou les verges : ce dernier supplice était effrayant par ses préparatifs funèbres et inhumains. Les soldats faisaient de ce jour un jour de réjouissance : il y avait calenda (i) en l'honneur du défunt. Tout en préparant les banzas et le bamboula (l), on acérait les épines des branches d'acacia qui servent à cet affreux supplice.
(i) Le calenda est une danse nègre consacrée à célébrer les funérailles : elle est extravagante et fort indécente.
(1) Les banzas et bamboulas sont deux instruments; le premier à cinq cordes, se pince comme la guitare; le second est un tambour élevé qu'on fait rouler avec les doigts." (55) 
Tradiksyon :
"Si Desalin te renmen lame li a, se te kòm sipò pouvwa li, ak ekzekitè volonte l. Li abitye pini krim politik yo ak kout bayonèt, pwazon, nwaye moun, men li te pini sòlda l yo sèlman ak bal fizi oubyen ak kout frèt : dènye fòm pinisyon sila, te fè moun pè jan jan yo prepare l la te matchavèl epi brital. Sòlda yo te rann jou sa, yon jou fèt : te gen kalenda (i) pou moun ki mouri a. Pandan y ap prepare banza ak banboula yo, (l) yo tranpe pikan branch bwa zakasya ke yo pral itilize nan tòti terib sa.
(i) Kalenda, se yon dans nwa yo fè pou selebre fineray : li fè wè epi li dezevre anpil.

(1) Banza ak banboula, se de enstriman mizik ; premye a se yon gita ak senk kòd ; dezyèm an, se yon tanbou wo ke yo fè dwèt yo woule sou li."
Dapre kolon Moreau de Saint-Méry, Chika, Vodou, ak Kalenda, se danse ki soti "Lafrik"
"La danse nègre est venue avec ceux d'Afrique à Saint-Domingue, & pour cette raison même elle est commune à ceux qui sont nés dans La Colonie & qui la pratiquent presque en naissant : on l'y appelle Calenda.
Pour danser le Calenda, les nègres ont deux tambours faits, quand ils le peuvent, avec des morceaux de bois creux d'une seule pièce. L'un des bouts est ouvert, & l'on étend fur l'autre une peau de mouton ou de chèvre. Le plus court de ces tambours est nommé Bamboula, attendu qu'il est formé quelquefois d'un très-gros bambou. Sur chaque tambour est un nègre à califourchon qui le frappe du poignet & des doigts, mais avec lenteur fur l'un & rapidement fur l'autre. A ce son monotone & sourd se marie celui d'un nombre, plus ou moins grand, de petites calebasses à demi remplies de cailloux ou de graines de maïs & que L'on secoue en les frappant même sur l'une des mains au moyen d'un long manche qui les traverse. Quand on veut rendre l'orchestre plus complet on y associe le Banza, espèce de violon grossier à quatre cordes que l'on pince. Les négresses disposées en rond règlent la mesure avec leurs battements de mains & elles répondent en chœur à une ou deux chanteuses dont la voix perçante répète ou improvise des chansons : car les nègres possèdent le talent d'improviser & c'est lui surtout qui sert à montrer tout leur penchant pour la raillerie." (56)
Tradiksyon : 
"Dans nwa yo te vini ak yo soti nan Lafrik pou rive Sendomeng, e pou rezon sa, tout sa yo ki fèt nan Koloni a abitye ak dans sa yo & paske yo pratike yo prèske depi yo apenn fèt : yo rele dans sa Kalenda.
Pou yo danse Kalenda, nwa yo gen de tanbou ki fèt, lè yo kapab, ak moso bwa fouye nan yon sèl pyès. Yon bout louvri, epi yo pwolonje sou lòt la yon po mouton oswa kabrit. Yo rele tanbou ki pi kout la banboula, men, gen de lè, li ka fèt ak yon gwo manman banbou. Chak tanbou gen yon nwa ki mete l an kalifouchon sou li, epi k ap frape l ak ponyèt ansanm ak dwèt li, men yonn bat dousman pandan ke lòt la bat vit. Ak rit ki gen repetisyon sa, e ki fè bri, yo melanje yon kantite pa fiks de ti kalbas ranpli ak wòch oswa grenn mayi. Epi yo souke kalbas sa yo pandan yo menm frape yo nan men yo apati de yon manch long ki pase nan yo. [Tchatcha] Lè yo vle fè òkès la pi konplè, yo mete ladan l yon Banza, ki se yon sòt de vyolon koryas ak kat kòd ke yo pichkannen. Nègès yo, ki fè yon wonn, kontwole mezi a ak bat men, epi yo reponn ansanm nan yon koral, bay yonn oswa de chantèz ki gen vwa fò, k ap repete oswa enpwovize chante yo : paske nèg sa yo posede talan pou yo enpwovize e se sa sitou ki montre tout gou yo genyen pou mokri."
Jan de fèt sa yo, ke sòlda Desalin yo konn òganize, pa an akò ak islam. Anplis, kalenda, se yon mo ki rete djanm an Ayiti, kote li vle di, nan jwèt oubyen toutbonvre, yon dans yayad nan rara - klèman islam pa dakò ak sa :
"Kalinda : Dans rara kote moun yo vire ren yo pandan yo ap sakaje vant yo ak pasyon. Vin ban mwen yon ti kalinda la a non, mwen ap bat tanbou a, ou ap danse." (57)

11- Pratik relijye ak majik Desalin

11.1- Desalin ak bwat tabak majik makandal yo

Dapre Descourtilz, ki te konnen Desalin pèsonèlman, (58) chèf sila te bon anpil, pa sèlman nan bay diskou militè ki al chache nan tradisyon zantray "Lafrik", men, li te bon tou nan fè majik pou l defann tèt li chak grenn jou :
"Moins politique que Toussaint-Louverture, mais plus ouvert et plus prononcé dans sa tyrannie, Dessalines était cruel, irrascible et farouche; il n'écoutait aucune réclamation. Que de fois une seule observation coûta la vie à l'homme qui eut l'audace de lui parler sans son ordre ! Semblable au farouche Assuérus, malheur à celui qui le trouva hors de sa rare clémence : malheur aussi à celui pour qui la fatale tabatière était ouverte (i) !
(i) Le conseil des makendals (magiciens du pays) qu'il consultait, lui avait indiqué le signe certain de reconnaitre la perfidie et le ressentiment concentrés contre lui dans le coeur de l'individu qu'il avait interpellé. Il cherchait à lire dans l'électre ou miroir interne de sa tabatière, que le tabac humide annonçait des principes de résignation de la part du dénoncé, et que le sec demandait du sang ! Ainsi sa superstition lui faisait au hasard décider du sort d'un innoçent ! ainsi' le paisible habitant obligé de lui rendre visite, était souvent condamné sans être entendu, sous la simple dénonciation d'un soldat à qui peut-être on avait refusé des générosités que les circonstances malheureuses ne permettaient plus de faire.
« Grenadier layo, disait-il, vous voir n'homme cilalà... Conduis li pisser », ! Le mot pisser indiquait l'effusion du sang par la mort à la baïonnette. A ce signal affreux, les grenadiers d'antichambre avaient ordre de se saisir de celui contre lequel la fatale tabatière avait été roulée dans les mains." (59)
Tradiksyon : 
"Mwens politik pase Tousen Louvèti, men plis ouvè epi pi maton nan fè diktati, Desalin te mechan, iritab ak feròs; li pa t koute okenn reklamasyon. Anpil fwa, yon sèl obsèvasyon rache lavi yon nonm ki te gen odas pale avè l san lòd li ! Menm jan ak feròs Asyeris la, malè pou moun an ki jwenn li andeyò de ra tan kote li sou fè gras : malè tou pou moun sa pou ki bwat tabak fatal li a louvri (i) !
(i) Konsèy makandal yo (majisyen peyi yo) ke li konsilte, te bay siy seten pou l rekonèt trayizon ak rayisman kont li ki konsantre nan kè yon moun ke li voye rele. Li te chache li nan glas ki andan bwat tabak li, kan tabak la imid, sa anonse ke moun ke yo demonse a reziye l, epi lè tabak la sèk, sa mande san ! Konsa, sipèstisyon te fè l deside sò yon inosan ohaza ! Se konsa, abitan pezib la ki oblije vizite l, te souvan kondannen san li pa koute l, anba senp denonsyasyon yon sòlda ke yo te refize avantaj ke sikonstans malere yo pa t pèmèt yo kontinye fè.
"Grenadier layo, disait-il, vous voir n'homme cilalà... Conduis li pisser",! [Grenadye, li di, ou wè nèg sila… Kondi li al pise.] Mo pise a vle di fè san koule nan lanmò ak kout bayonèt. Nan siyal terib sa, grenadye ki nan koulwa yo te gen lòd arete moun kont kiyès bwat tabak fatal la te woule nan men li."
Sa ki fè bwat tabak majik Desalin an plis pase tripotay, se ke Descourtilz, antanke doktè Franse ak prizonye Desalin, te pèsonèlman rive devan bwat tabak la nan Lakrètapyero :
"Le pont-levis fut baissé, et la première personne que nous y aperçûmes, fut Dessalines, roulant dans ses mains la fatale tabatière : il s'avance vers nous, gronde, mais se possède assez pour concentrer sa vengeance." (60)
Tradiksyon :
"Pon mobil la te bese, epi premye moun ke nou te wè, te Desalin, li t ap woule bwat tabak fatal la nan men l : li vanse nan direksyon nou, li gronde, men li te gen kont kontwòl de tèt li, pou l te ka konsantre vanjans li."
Men pratik Desalin yo depase maji. Yo te relijye tou.

11.2- Pratik relijye Desalin

Plis pase dekrè, diskou, pwoklamasyon, aksyon militè, ak anekdòt ke istwa te rapòte, Desalin kite yon prèv fizik de pratik relijye li. Pratik sila, nou repete, li pa t ni mizilman, ni kretyen, pwiske egziste toujou 2 ti kay nan Desalinvil ke Anperè a ak madanm li te dedye a Divinite (Lwa/Jany) zantray yo.
(Kay mistik (Kay Lwa) Desalin ak Enperatris Claire-Heureuse, vizyon arebò)
Sous : ISPAN ; http://ispan.gouv.ht/?p=34

Anplasman istorik ke Leta ayisyen pwoteje, 2 kay mistik oswa Kay Lwa sa yo, Anperè Desalin te konstwi yo nan lakou lakay li, ki te kraze, sa gen kèk tan. (61) Kèk rezidan nan Desalinvil (ansyen Machan oswa Machan-Desalin) nonmen kay ki gen menm gwosè sa yo "Kay Marasa", an koneksyon ak Divinite jimo yo, ke yo rele Marasa nan lang Kreyòl.
(Kay mistik (Kay Lwa) Desalin ak Enperatris Claire-Heureuse, vizyon anfas)
Sous : Vincent Joos. Urban dwellings, Haitian citizenships : housing, daily life and memory in Port-au-Prince, Haiti. Chapel Hill, 2015. p.263. Fig.53.

Sepandan, lòt rezidan di ke kay sou bò goch la te rezève pou Enperatris Claire Heureuse ki te konn pran swen Divinite (Lwa /Jany) li ladan l, pandan ke kay sou bò dwat la, se te kote Anperè Dessalines te fè lotèl pou Divinite (Lwa /Jany) ke li te onore yo. (62)
Devan prèv sa yo, pèsonn pa ka nye ke Janjak Dessalin te tradisyonalis, ansanm ak kokennchenn madanm li Marie-Claire Heureuse.

11.3- Maryaj ak kouwònman Desalin

Nan lavi toulejou li, Desalin te yon tradisyonalis. Ak nan abitid tradisyonalis ayisyen yo, ki lage 2 gidon nan senkretis relijye, limenm tou li te itilize plas kote kretyen yo lapriyè. Nou pral mansyone ka maryaj li ak ka kouwònman li.
 
a) Maryaj Desalin anNan administrasyon Tousen Louvèti a, yo te anpeche plasaj epi yo te ankouraje jeneral yo fòmalize relasyon yo. Desalin, ki te yon Jeneral nan lè sa, te prese jwenn sètifika batèm li pou l te ka prezante li bay prèt la ki te an chaj maryaj li a :
"Koutim nan peyi a, pami nèg esklav yo, pa t marye nan legliz yo, yo sèlman te adopte yonn ak lòt, epi li te trè ra ke yo te separe ; men apre afranchiman [libète] yo, Jeneral Tousen. ki te vle yo gen relijyon, te mande tout jeneral li yo ke yo ta dwe marye nan legliz. Desalin te gen yon ti tèt chaje nan okazyon sila, li te dwe pwodwi yon ekstrè batèm bay prèt la ; li pa t gen sa pyès : li t al jwenn ansyen mèt li Dessalines, epi li te pwopoze li, nan yon mannyè pou l pa ka refize, pou li vann li ekstrè batèm li ; mèt la pa renmen zafè sa menm, men yon moun te fè l konprann ke sa pap rann li mwens kretyen. Yonn nan nou pran bout listwa sila nan men lib nèg la, ki se Desalin." (Trad.) (63)
Maryaj Desalin la te selebre le 2 avril 1800,++ nan Lewogàn, kote madanm li Marie-Claire Heureuse te fèt. E se pa t nan yon kote adorasyon islamik te konn fèt, men se te nan legliz Sainte Rose de Lima (Sent Roz de Lima :
"Moniman ki pi popilè nan Lewogàn te legliz Sent Roz de Lima a, kote yon lòt pitit fi vedèt vil la, Claire Heureuse, te marye Desalin." (Trad.) (64)
Pè Menetrier, ki te responsab legliz Sent Roz de Lima a, ta dwe sele linyon Jeneral Janjak Desalin an ak Mari Klè Erez Felisite Bonèr, ki petèt te premye enfimyè lagè nan istwa. Sòf si maryaj la, yo te konfye bay Pè Jean-Baptiste-Joseph, alyas Corneille Brelle, ki te gen plis renome.

an) Kouwònman Desalin an
Kouwònman Desalin an te fèt, pa nan yon moske, men nan katedral Kap Ayisyen an, le 8 oktòb 1804. Prèt katolik Corneille Brelle te ofisye seremoni an :
"Nan dat 8 oktòb la, jou yo te fikse pou seremoni wosman li nan Anpir la, pè Corneille Brelle, prèt pawas Okap la, te selebre sèvis diven an ak pi bèl mayifisans..." (Trad.) (65)
Ak son tanbou, twoup yo fè parad epi yo t al nan Te Deum (Tedeyòm) pou kouwònman enperyal la, dapre enstriksyon Jeneral Petyon te ekri le 8 septanm 1804 :
"Seremoni an pral anonse ak yon trip dechaj kannon ak fizi. Apresa, twoup yo pral ap defile bò legliz la, epi yo pral ranje nan fòmasyon batay. Pwosesyon a, nan lòd ki endike anwo a, pral ale legliz la, kote yon Tedeyòm pral chante pou di Bondye mèsi pou jou memorab sila." (Trad.) (66)
Kontrèman ak lidè tankou Tousen Louvèti, Anri Kristòf epi Aleksann Petyon ke yo ka deklare kretyen, Desalin, antanke bon jan tradisyonalis senkretik, te ale legliz sèlman pa pwotokòl. E menm la ankò... Nan dat 25 jiyè 1805 la, pou fèt Sen Jak la, ki te asosye ak kouwòn li, Desalin (Jak 1ye) te pran pòz malad pou l te evite al legliz. (67)
Li te, sepandan, ase an sante pou l te resevwa, nan Palè Enperyal la, diyitè yo ki te tounen soti nan Tedeyòm ki te fèt nan onè li a. Epi pandan resepsyon an, nan aswè, li te amize foul la, lè l te danse Kalabiyen. Bagay sa te bay Jeneral Anri Kristòf kè plen, paske l te montre tout moun ke l te vèkse asite yon jan de spektak konsa. (68)



12- Orijin etnik Desalin

Gen kontak oswa pa gen kontak ak islam diferan anpil dapre kote nan "Lafrik" yon kaptif (esklav) te soti. Pyès moun pa ka nye ke Desalin te yon Kreyòl, ki natif natal koloni Sendomeng la. Istoyen yo dakò sou sa. Epi, prèv de sa chita nan lefètke, lè li te Jeneral, Desalin te al chèche papye batèm li nan men ansyen mèt li. Pwiske Desalin pa t fèt nan "Lafrik", sa diminye anpil posibilite pou l ta gen yon kontak solid ak islam.
Sepandan, genyen kèk ki pa fè menm analiz ak nou sou orijin Desalin. Annou etidye deklarasyon yo. N ap tanmen ak sa ki gen mwen djanm yo.
 
a) Desalin, Sinigal la?
Yon tèks fay sila te prezante Desalin tankou yon Senegalè ki te gen po klè :

"Desalin te gen sis pitit tou nan relasyon l ak lòt fi. Yo te dekri l tankou yon bo gason wouj ki soti Senegal, ki vanyan sou teren lagè epi ki malonèt andeyò de li." (Trad.) (69)
Malgre ke yon pati nan moun Senegal yo te konvèti nan islam nan tan koloni Sendomeng la, otè a pa bay okenn referans. E pa gen okenn dokiman istorik ki afime deklarasyon li an. Se sa k fè nou blije rejte li.
 
an) Desalin Nago a oswa Ibo a?
Lòt tèks sila te lage posiblite 2 lòt nanchon (kidonk gwoup etnik) sou do Desalin :

"Jean-Jacques Dessalines dapre kèk te ras Nago, gen lòt ki di l te Ibo ; orijin li pa sèten ; yo pretann ke l te soti nan Lafrik lè l te nan laj ap tete..." (Trad.) (70)
Odette Mennenson-Rigaud, otè tèks sila, menm jan li te fè l pou Alaou a, te kontante l simaye rimè, san l pa t apwofondi rechèch la. Men reyalite a, se ke Desalin, byenke l te yon Kreyòl, li te eritye, nan yon fason ki mwens ofisyèl, de gwoup etnik "Afriken" paran li. Se menm jan ak Tousen Louvèti, yon Kreyòl tou, te idantifye tèt li tou ak gwoup etnik Arada paran li.
Sitiyasyon sila te mennen nou konsidere tou nanchon famiy Desalin, olye de sèlman gwoup etnik Kreyòl la ki di kote li te fèt la.

 
b) Desalin Foula a?
Depi plizyè deseni, kèk Ayisyen te pran simaye lide ke Desalin te soti nan pèp yo rele "Peul" la nan lang franse :

"Ansyen esklav la ki te antre nan kan Louvèti a te dekouvri yon mond kote valè pèsonèl li sou chan batay la te ka efase tout bagay: tribi li (Desalin te Peulh? Petèt? Kiyès ki okipe yo de sa?)..." (Trad.) (71)
Lòt tèks sila menm, ke djò Bayyinah Bello a te lage, li te repran koze "Peul" (oswa Toucouleur) a, ansanm ak zafè po klè Desalin an :
"Kisa nou konnen sou paran biyolojik li?
Nan gran Nò a, memwa kolektif la dekri manman li tankou yon Peule oswa Toucouleur, mens ki gen wotè.
(...)
Janjak Desalin, kisa li te sanble?
Memwa nasyonal la te reponn : "Jenn gason sila ki gen po kannèl takte wouj ki ale byen ak cheve wouj li yo, la pou la li te tounen yon nonm pwisan espirityèlman, sikolojikman ak fizikman."" (Trad.) (72)
Ipotèz "Peul" sila ke yo pretann soti nan bouch granmoun, oswa memwa kolektif ayisyen an, li pa t sa pyès! Li soti nan yon tèks djòlè ke entelektyèl ayisyen René Saint-Louis te ekri nan lane 1970 :
"Desalin (Janjak): esklav pwobableman ki te fèt nan Lafrik, ki soti nan pèp Peuldy (Kotdivwa)." (Trad.) (73)
Gwoup etnik yo rele "Peul" la nan "Lafrik" de Lwès, toutbonvre li te gen kontak ak islam, e li gen yon kantike san melanje, ke kèk endividi itilize pou yo bay Desalin yon koulè "klè" (ke okenn tèks istorik pa janm rekonèt). Sepandan, ipotèz "Peul" Desalin la pa bon pou 2 rezon ki senp. 1) Pa gen dokiman nan tan Desalin an ki pale de sa. 2) Mo "Peul" la pa parèt nan langaj nan Sendomeng, ni li pa t parèt nan langaj pèp ayisyen. Mo "Peul" la soti nan liv sèlman. Li radotay, epi li nouvo.
Anplis de sa, mo "Peul" la pa egziste nan Sendomeng. Yo te rele pèp sila : Poulard, Poullard, Paulard, Poular, Poula, Poule, Foulany, Phylani, Foula. Epi nan relijyon tradisyonèl ayisyen an, se mo Foula a ki konsève. Li fòme Nasyon sakre Foula a, oswa Nanchon Foula.
 
ch) Desalin Kongo a? 
Zafè ki di ke Desalin soti nan pèp Kongo a, sa limenm, li chita sou done serye. Pou kòmanse, Goman, yon Jeneral popilè nan Revolisyon ayisyen an, te deklare Desalin Kongo pandan ke Goman te toujou anba lòd Desalin :
"Nou konprann ke Goman te fè deklarasyon sila apre depa Desalin : se te yon Kongo." (Trad.) (74)
Malgre ke Goman te mansyone gwoup etnik Desalin nan yon moman li t ap fè kòlè. Chwa li de Kongo pa t yon pawòl konsa konsa. Li reflete konesans otantik de li de eritaj etnik Desalin. Paske, nan Sendomeng, gwoup etnik yo konn joure yonn ak lòt. Rezilta a fè ke, pi fò tan, non gwoup etnik yo se move mo nan Kreyòl ayisyen. Konsa, Goman itilize mo Kongo ki mache ak bon jan eritaj etnik Desalin, menm jan li te kapab itilize yon lòt referans etnik apwopriye, si Desalin pa t yon Kongo, yon tèks ki soti nan lane 1859, fwa sila, te fè konnen ke Kongo te nanchon Desalin :
"Se lè sila ke Desalin Anperè a, yon nèg Kongo, ke gouvènman l an te sèlman yon egzajerasyon de pa Tousen an..." (Trad.) (75)
Sepandan, otè a te fè erè lè l te mete enfòmasyon l an sou do Memwa Jeneral Pamphile Lacroix. Men, sa pa enpòtan, pwiske ipotèz Kongo a jwenn sipò nan ekriti Gaspard Théodore Mollien, limenm ki te kesyone Ayisyen sou teren an, yon ti tan apre endepandans Ayiti a :
"Tankou tout Kongo yo, gwoup kote li [Desalin] te gen orijin li, li te gen kè kontan, li te renmen plezi ak danse pase tout bagay ; li toujou t ap chache rann tèt li pafè : akoz de gou li sa, nou jwenn anpil banbocha (fandangillo ) ke li te konpoze pou bal nan baz li 1. An jeneral, li te mwens gen abitid yon nwa kreyòl ke abitid yon Afriken : manje k sou tab li, stil lavi Ewopeyen yo te ba l degoutans, li pa t jwenn anyen nan mizik yo, byenke souvan te gen konsè lè l ap manje ; chante yo te frèt nan zòrèy li : li te damou manje peyi a, bannann, kasav ; li te renmen rele tanbouyè Afriken yo epi fè yo repete chante yo ki te ba li amizman lè l te timoun." (Trad.) (76)
Mollien te fyab nan analiz li de yon Desalin Kongo. Sepandan, enfòmatè li yo te fè erè nan kote Desalin te kaptif (esklav). Nou gen pou nou klere zafè sila nan yon anèks. Pou n rezime, Desalin te soti nan gwoup Kongo a vrèman vre. E sa te fè ke li te lwen anpil de islam. Anplis de sa, Desalin pa te fèt nan "Lafrik", kote li ta ka rive gen kontak ak islam. Reyalite sa a parèt klè nan diskou l pou Jounen Lendepandans 1804 la, nan Gonayiv :
"Nou dwe, pa yon dènye zak otorite nasyonal, asire pou tout tan anpi libète nan peyi kote nou te fèt la." (Trad.) (77)
Lè l deklare "nan peyi kote nou te fèt la", olye de "nan peyi kote ou te fèt la", Desalin te konfime ke li se yonn nan moun ki te fèt nan zile a.

13- Madan Desalin ak tradisyon soup joumou an

Endepandans Ayiti te selebre 1 janvye 1804, nan Gonayiv, nan Latibonit. Tradisyon Ayisyen an di ke Klè-Erez (Claire-Heureuse), madanm Desalin, ki te vin Enperatris, te ofri pèp ki te reyini an soup joumou. Se konsa, tradisyon bwè soup remontan sa chak 1ye janvye, sitou pataje li, te kòmanse. Anpil Ayisyen diskite orijin tradisyon soup joumou an. Kèk nan yo wè li kòm yon defi yo voye bay kolon Franse yo ki ta entèdi kaptif yo manje joumou. Men, se pa vre. Paske nanpwen referans de sa. Epi joumou se yon plant grenpe ki leve san jefò, epi san mande rete, sou tè ayisyen an. Safèke, Franse yo pa t ap menm panse entèdi li. Ni yo pa ta p gen kapasite sila.
Anplis, done istorik yo revele ke kaptif (esklav) yo te gen dwa kiltive joumou (jiromon) pou konsomasyon pèsonèl yo, san kè sote :


"ARTICLE IX.
Nourriture des nègres dans les Colonies.
Il y a, sur chaque habitation, un terrain désigné pour les vivres des nègres, et cet emplacement se nomme place à nègres : il est divisé d'après la quantité de nègres qu'on peut avoir, et chaque individu, ou chaque ménage, en a une portion qu'il cultive pour ses besoins. C'est dans ce petit espace de terrain qu'il plante et récolte les choses nécessaires à la vie, comme patates, gombo, giraumont, maïs, calalou, hoholy, pois de toutes espèces, et mille autres douceurs." (78)
Tradiksyon :
"ATIK 9.
Manje nèg nan Koloni yo.
Gen, nan chak bitasyon, yon teren rezève pou jaden nèg yo, e teren sila,  yo rele l place à nègres [bout tè nèg yo] : li divize selon kantite nèg ki ka gen, epi chak moun, oswa chak fanmi, gen yon pòsyon ke li plante pou lamanjay li. Se nan moso teren sa ke li plante ak rekòlte tout sa ki nesesè pou lavi, tankou pòmdetè, gonbo, joumou (jiromon), mayi, [fèy] kalalou, roroli, pwa tout kalite, ak mil lòt bagay bon nan bouch."
Pou kèk moun, soup sa ta dwe entèdi, paske li ta soti nan yon pak dyabolik. Sa tou pa vre, paske relijyon zantray Ayisyen an pa kwè nan egzistans Satan oswa "Dyab" la, nan sans kretyen an. Enben, ki orijin soup joumou, epi ki koneksyon l ak islam?Soup sa, tankou Desalin ak revolisyon Ayisyen an, pa gen okenn lyen ak islam. Li soti nan yonn nan tan sechrès ki te afekte Sendomeng (Ayiti). Fwa sa, se te nan lane 1803, nan fen lagè Endepandans la. Rejyon Latibonit la, kote fanmi Desalin te rete, te nan sechrès, ak eksepsyon de kote ki toupre larivyè ak pwent dlo yo. Rive nan fen 1803, Manbo ak Houngan yo (ki se gwo sèvitè nan relijyon zantray la), te kontinye wòl lidèchip ke yo te jwe nan revolisyon an, lè yo te entèdi popilasyon lokal la manje nan manje ki disponib yo, anba presyon ke sinon, y ap fache Granmèt la, Bondye, ki te goumen nan lagè a pou yo. Pèp la te obeyi epi yo te lage divès kalite pwovizyon yo nan men sèvitè zantray yo. Kolon Descourtilz, ki nan fanmi Desdunes, yon fanmi kolon Latibonit, ki gen repitasyon sovaj ak esklav yo, +++ te kwè ke Manbo ak Houngan yo te abize de kwayans popilasyon an. Men, li te fè erè, piske legim ak rasin sa yo ki te chwazi espesyalman pou objektif sa (giraumon, kalalou, fèy, elatriye). Yo te ranmase, konsève yo, epi yo te voye yo bay Madan Desalin. Klè-Erez, pwobableman ak èd plizyè Hounsi (Asistant nan sèvis tradisyonèl yo), te prepare soup joumou an ki te sèvi gratis bay pèp Ayisyen an ki te soti byen lwen pou vin fete endepandans la :
"Une sécheresse générale désolant le quartier de l'Artibonite, surtout les cotonneries qu'on ne peut submerger à volonté par cause de l'éloignement de canaux ou rivières, il y eut en 1803 une disette complète de vivres de toute espèce, ressource journalière pour le cultivateur.
A cette disette était nécessairement attachée une hausse considérable aux marchés des villes voisines, dans le prix des légumes ou racines alimentaires. Les prêtres des idolâtres de notre habitation entourée d'eau, et toujours féconde en ces denrées comestibles, imaginèrent de se servir de leur caractère, et de profiter de leur influence pour en imposer aux idolâtres de leur secte, et exiger d'eux une partie de leur récolte, bien décidés à en tirer parti en leur faveur : ils annoncèrent aux trop crédules superstitieux, que leur grand dieu, qui combattait pour leur prospérité et leur liberté, était allé à la guerre, et que, par un excès de sa valeur intrépide, il y avait été blessé ; qu'il leur interdisait donc jusqu'à nouvel ordre, l'usage du calalou, dans toute espèce de feuilles et fruits du giràumon, etc., destinant toutes ces plantes vulnéraires, résolutives et maturatives au pansement de ses larges et profondes blessures! Les pauvres croyants d'apporter à l'envi tous les fruits de leurs jardins, et de se regarder bienheureux de pouvoir faire quelque chose en faveur de leur divinité ; et les prêtres trompeurs, de se réjouir et de vendre furtivement, ou de manger tous les topiques, et autres remèdes consacrés à leur dieu imaginaire." (79)
Tradiksyon :
"Yon sechrès jeneral t ap ravaje katye Latibonit la, espesyalman chan koton yo ke yo pa ka wouze nètalkole akoz ke yo twò lyen kannal oswa larivyè yo, nan 1803, te gen yon mankman total pou tout kalite manje, ak resous chak jou pou travayè latè a.
Manke manje sa te nesesèman mennen pri legim oswa viv yo montre anpil nan mache vil ki toupre yo. Prèt zidòl nan bitasyon nou an ki te antoure ak dlo, epi ki toujou donnen anpil manje, imajine pou yo sèvi ak karaktè yo, pou yo profite de enfliyans yo pou yo twonpe sèvitè zidòl sèk yo, epi egzije yo bay yon pati nan rekòt yo, yo te byen detèmine tire avantaj pou pwòp tèt yo : yo te anonse sèvitè ki te twò nayif akoz de sipèstisyon, ke gwo bondye yo a, ki te goumen pou bay yo richès ak libète, te ale nan lagè, e ke, etan li te twò odasye, li te blese ; akoz de sa, li entèdi yo, jouk lè yon lòt lòd bay, itilize kalalou, ak tout kalite fèy ak fwi joumou a, elatriye, tout fèy sa yo bon pou tretman, yo diminye maladi epi yo ede nan pansman pou blesi ki laj ak fon anpil !  Pòv kwayan yo pote tout fwi nan jaden yo, pou yo te ka jwenn benediksyon, e pou yo pa fè yon bagay divinite yo entèdi ; epi prèt rizèz yo, kontan kouri vann, oswa manje anbachal tout pwovizyon yo, ak lòt remèd yo te bay pou bondye imajinè yo a."
Kidonk, egzistans bwè soup joumou pou fete endepandans Ayiti temwaye a) ke konsèp lagè relijyon te byen chita nan konsyans pèp Ayisyen an. Sa vle di, yon lagè ki fèt ak sipò Kreyatè Linivè a (Granmèt la, Oloroun) ansanm ak Fòs entèmedyè li yo (Lwa, Jany) ki aji sou evènman yo, sou moun yo ak sou eleman yo ; an) ke chèf nan relijyon zantray la te jwe yon wòl lidèchip enpòtan depi nan konmansman revolisyon an (Bwa Kayiman) jouk li bout (soup Joumou) ; b) ke Janjak Desalin, madanm li Klè-Erez, ak revolisyon Ayisyen an, pa te gen anyen arevwa ak islam.

(Soup joumou)
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Soup_joumou#/media/File:Joumou01.jpg


* Natirèlman, djòlè LeGrace Benson an ansam ak entelektyèl ayisyen tchoul li yo, ki deklare Ayisyen pa ka konprann mond envizib la, pa konnen ke nan kòmansman chak lapriyè, Manbo ak Houngan yo rann omaj bay : Sa m wè, ak Sa m pa wè yo ; kidonk bay mond vizib ak envizib la. Anplis, yo rele Divinite tradisyonèl ayisyen yo "Envizib" tou :
"Envizib la : n. Invisible spirits, ancestors, the spiritual world." (80)
Tradiksyon :
"Envizib la : n. Lespri envizib yo, zansèt yo, mond espirityèl la."
Konsa, pou tradisyonalis ayisyen an, Divinite li yo oswa Lwa, se sinonim (kidonk vle di menm bagay ak) Envizib oswa Mistè :
"Lwa. n. : Mistè, espri zansèt, fòs envizib siperyè, nan relijyon vodou." (81)
Epitou, relijyon tradisyonèl "Afriken" an ak lòt ki soti nan li, se limenm ki wè Bondye pi lwen zafè moun (nan anpil ka), kidonk pi envizib, pase tout lòt relijyon sou tè a.
** Jiskaprezan, mwen te jwenn 495 Nanchon oswa Nasyon etnik nan achiv koloni Sendomeng yo. Men, rechèch mwen poko prèt pou l fini.
*** Nan yon atik kap vini, na va pale sou lefèt ke kaprif islamize yo, kontrèman de sa pwopagann nan di, "pa t fè lagè". Yo te pi dosil ki te genyen nan Sendomeng.
**** Zak brav Desalin nan Lakrètapyero a te enspire, prèske san tan pita, nan dat 6 septanm 1902, Vis-Amiral Killick, imotèl Ayisyen sa, ki te kòmande bato lagè yo te rele "Lakrètapyero". Amiral Killick te tire yon kout fizi nan rezèv poud kanno an, epi li te pito sote tèt li ansanm ak batiman li, olye li te kite lamarin Alman met lapat sou li.
+ Koran - sourat 52.24 : Pral sikile nan mitan yo, [sèvitè] ti gason [espesyalman] pou yo, tankou yo te bèl grenn pèl ki byen pwoteje. 56,17 : Pral sikile nan mitan yo jèn ti gason k ap rete konsa pou tout tan gen tan. 76,19 : Pral sikile nan mitan yo jèn ti gason k ap rete konsa pou tout tan gen tan. Lè w wè yo, ou ta panse yo [bèl tankou] bèl grenn pèl ki gaye.
++ Kèk ki mal enfòme, sitou Jasmine Claude-Narcisse, Mirlande Hippolyte-Manigat ak Guy Poitry, (82) simaye 21 oktòb 1801 kòm dat maryaj Desalin ak Mari Klè Erez (Marie Claire Heureuse). Men, istwa sonje 21 oktòb 1801 kòm dat kòmansman levekanpe Jeneral Moyiz Louvèti nan Okap, pandan ke sipòtè li yo t ap aji nan tout kwen nan Nò a. Nan dat sila, Desalin, ki te marye en an edemi anvan sa, t ap akonpaye Gouvènè Jeneral Tousen Louvèti nan pati Lès zile a. (83) Desalin te rive Vèrèt, lè li te resevwa yon lèt ki te soti Gonayiv, pou te enfòme l sou briganday ki te genyen nan Nò a. Tousen Louvèti te bay Desalin lòd pou li, ansanm ak katriyèm brigad li a, te kouri al Senmak, answit Gonayiv, epi Plezans apresa.
Kanta pou 2 avril 1800 an, 3 dokiman etasivil nan mwa fevriye 1806 te konfime li kòm dat kontra maryaj te pase ant Desalin ak Mari Klè Erez. Dokiman sa yo, se te zak etasivil kote Anperè a te rekonèt pitit deyò li yo devan lalwa. Epi Enperatris la, dapre lwa ki te aplike, te rekonèt tankou pwòp pa li, timoun mari li sa yo, ki se : Marie Françoise Celimène, Jacques-Bien-Aimé, ak isit la Célestine Desalines, ki te gen 9 an, 10 mwa :

"Se douvan Nicolas Saget, ofisye piblik nan Etasivil nan Komin Desalin an.
Te konparèt Janjak Desalin, Anperè Ayiti, ki nan prezans Jeneral Vernet, Minis Finans; Louis Bazelais ak Pierre Cangé, Jeneral brigad; Laroze, kolonèl kòmandan 8yèm rejiman an; Jean-Louis Longueval, nan 4yèm Rejiman an; Jacques Phillipe Guerrier, kolonèl k ap kòmande 7yèm an; Charles Marcadié, kolonèl, k ap kòmande premye rejiman Kavalye a;
LI DEKLARE e se jodiya, nan konsidere atik trèz nan tit twa nan Lwa 3 jen 1805 la, ke Célesine Dessalines, ki soti nan travay li ak Samajèste Enperatris Ayiti a, depi anvan linyon konjigal yo, epi ki vin lejitimize pa kontra maryaj yo ki te pase le de Avril mil wi san, li te fèt nan Senmak le de Avril mil sèt san katreventwèz, vè kat è di maten, pitit fi sila gen, laj li apeprè nèf an ak dis mwa epi l ap viv nan vil sila.
Te konparèt tou Mari Klè Erez, Enperatris Ayiti, ki nan prezans temwen nou sot mansyone yo, te deklare menm jan an tou ke..." (Trad.) (84)
Thomas Madiou te mal sijere ke maryaj Desalin an te fèt apre gè sivil la ki te genyen ant Tousen Louvèti ak André Rigaud (Andre Rigo). (85) Men gè sivil sila, ke yo te bay non "Lagè Kouto a", li te kòmanse nan mwa jen 1799, pou l te fini nan mwa jiyè 1800. Kidonk, 3 mwa apre maryaj Desalin ak Mari Klè Erez.
+++ Li veksan ke Ayiti, yon peyi ki rele tèt li lib, inyore konstitisyon Desalin an, lè l kenbe nan parese sou teritwa l, non kolon matirizè yo, tankou non Desdunes : "Desdunes, papa a, abitan nan Latibonit, te boule vivan, yonn dèyè lòt Karant-senk nwa, gason, fanm, ak timoun ; Desdunes Lachicote, Poincy ak Rossignol : anfen, tout fanmi tchak sa te komèt tout kalite mechanste ; yo te konn mache lannwit, ame ak frenn, yo frennen san pitye epi yo nwaye tout nwa lòt bitasyon yo rankontre nan joupa yo. Remoussin, bofis Desdunes, te konn fè menm mechanste sa yo ; li te fè yo boule malerèz Nicole la touvivan, limenm ki te konn gade pitit li. Boisbel, bofis Desdunes tou, te fè yo kale gadyèn pitit li jouk li mouri.
Oke, mwen t ap gen difikilte kwè nan kantite mechanste sa yo ke fanmi sa te fè nan Latibonit, si tout fè sa yo, ke mwen te ranmase sou tèren an, pa t konfime pa M. Jean-Baptiste ki Jij,  epi ansyen pwopriyetè nan Latibonit, jounen jodi a, li se Kont de Tè-Nèv, Minis Lajistis ; li te gen bonte pou kominike m yon nonb infini de nòt sou krim kolon yo, espesyalman sa ki te rive nan bèl ak rich plenn Latibonit la." (Trad.) (86)

14- Anèks : Janjak Desalin pa t esklav Tousen Louvèti

Anèks sila konsène yon tantatif revizyonis oksidantal pou yo enpoze yon dominasyon Tousen Louvèti (Toussaint Louverture), ke yo konsidere patizan Loksidan, sou Janjak Desalin, ke yo konsidere otonomis epi patizan sivilizasyon tradisyonèl la, ke yo rele Afriken. Nan lane 1831, kèk enfòmatè lokal te gide Gaspard Theodore Mollien (Gaspar Teyodòr Molyen), yon ansyen konsil franse an Ayiti. Mollien te dekri Janjak Desalin ak mo sa yo :
"Nonm ki pi ekstraòdinè nan peryòd sila, swa pa richès li oswa pa talan militè li, te san mankman Dessalines. Nonm sila, ki fèt anba chenn, sa gen kèk tan, li te pwopriyete Philippe Jasmin [Filip Jasmen], nwa lib nan Grannrivyè : apre lanmò mèt li, li te tonbe nan men pitit fi [mèt] li a, ki te madanm Dessalines, konsyèj nan palè Okap la." (Trad.) (87)
Deskripsyon sila Mollien te fè a, li gen yon ti kras verite ladan l. Sepandan, konsa li montre tou fo konklizyon ki vini ak istwa rakonte nan bouch yo, ki manke bout. Men, ekriti Mollien an pa t responsab premye mouvman revizyonis la, paske ekriti li a pa t pibliye jouk anvan lane 2006.
Mouvman revizyonis n ap pale de li a, li te kòmanse an 1977, lè yon triyo (kidonk yon group ki gen 3 eleman) ki konpoze de 2 Franse : Gabriel Debien, Marie Antoinette Menier, plis 1 Ayisyen, ki se nèg yo, Jean Fouchard. Men triyo a te apwoche kesyon an atravè achiv yo. Triyo sila te revele, ak rezon, ke Philippe Jasmin Désir te mouri le 15 novanm 1784, e ke li te premye mari Marie Marthe Toussaint (alyas Martine). Manmzèl, ki yon Nègès lib, epi pitit lejitim Toussaint ak Cécile (Louverture), te marye, nan dezyèm maryaj li, ak Janvier Dessalines, le 4 oktòb 1787.
Si achiv yo, eksepte kèk ti erè, pwouve ke yo pi egzak pase istwa rakonte nan bouch, yo mennen istoryen pedan yo nan tire konklizyon ki fo, menm jan an tou. E triyo chèchè a, ki venere Tousen Louvèti epi meprizan pou Janjak Desalin, pa te chape a sa.
Li sanble ke le 17 dawou 1779, Tousen Breda (Louvèti) te lwe yon plantasyon kafe nan men premye bofis li, Philippe Jasmin Désir. Epi plantasyon sila, ki chita nan Petit-Kòmye (Ti Kòmye), nan rejyon Grannrivyèdinò, se te yon menm fanmiy de 13 kaptif (esklav) ki te travay li. Epi yonn nan yo te rele Jean-Jacques (Janjak). Triyo revizyonis la te tou pwofite de piyay sila, pou yo te ensinye (kidonk di anba chal) ke Jean-Jacques (Janjak) ki nan lis kaptif (esklav) nan Kòmye a, se te Janjak Desalin, limenm ki te gen pou l te vin Anperè Ayiti a.
(88
Plizyè deseni pita, Franse Jacques de Cauna (89) te repran kòn triyo nan 1977 a. Apre li, vin gen yon diyo (kidonk yon group ki gen 2 eleman) ki konpose ak Jean-Louis Donnadieu epi Philippe R. Girard. Menm jan ak Jacques de Cauna, 2 mesye sa yo te deklare kategorikman ke Janjak Desalin te esklav Tousen Louvèti, pandan 2 lane ke kontra afèmaj plantasyon nan Kòmye a te dire. (90
Nou pral, ak zak sa a, retounen tout revizyonis oksidantal sa yo refè devwa yo.
1-Janjak Desalin, ki te fèt an 1758, te gen 21 an an 1779, kidon lane Tousen Breda te afème plantasyon an. Sepandan, evalyasyon fòs travay Jean-Jacques (Janjak) ki nan lis nan Kòmye a (1500 liv), li pa mache ak valè fòs travay yon jenn gason ki gen 21 an.

Étienne                               2 400 liv
Marie-Rose, sè li                1 800 liv
Marie-Françoise, sè yo       1 800 liv
Marie-Marthe, sè yo           1 800 liv
Marinette, yon lòt sè           1 500 liv
Marie-Louise, nyès             1 200 liv
Anne, yon lòt nyès                 900 liv
Modeste, yon lòt nyès            600 liv
Jean-Jacques, neve              1 500 liv
Moïse, neve                         1 200 liv
François, yon lòt neve         1 200 liv
Joachim, yon lòt neve             300 liv
Josepth, yon lòt neve              300 liv
Yon moun ka konpare fòs travay tonton Janjak, ki se Etienne (Etyèn) - ki omwen nan karantèn li - e ki te vo 2400 liv, kidonk, 900 liv pi plis. Anplis de sa, se imajinab ke yon mal gason byen kanpe de 21 an ta gen yon fòs travay enferyè oswa egal a pa manman l ansanm ak matant li yo, ke yo konsidere vo nan 1800 liv (3 fwa) ak 1500 liv (1 fwa).
Kidonk, Jean-Jacques (Janjak) ki te sou bitasyon Philippe Jasmin Désir nan Kòmye a, li te posede fòs travay yon adolesan ki prèske vin yon mesye. Li pa ta ka Janjak Desalin ki te gen 21 lane nan moman sila, epi ke dezyèm pwopriyetè li Janvye Desalin, te konsidere kòm "bon travayè". (91)
2- Fanmiy sila ki t ap travay sou bitasyon nan Ti Kòmye a, li diferan de fanmiy Janjak Desalin. Nan lis yo prezante a, nou pa jwenn non 2 sè Desalin ke yo rekonèt ofisyèlman :
- Polyphème Dessalines (Polifèm Desalin), manman Nicolas Saget, grann Jean-Nicolas Nissage Saget, ki te prezidan Ayiti soti 1870 rive 1874. (92)
- Marie Noële Dessalines (Mari Nowèl Desalin), ki marye ak Jean Baptiste Louis Chevallier, (Marquis de Puilboreau - Maki nan Pilboro). E manmzèl te gen plizyè pitit ak mari li. Yonn nan yo te Bernard Chevalier, ki se zansèt Raphaël Trujillo, diktatè Dominiken an. (93)

Men, Desalin te gen 2 frè tou ki ofisyèlman sètifye, Joseph ak Louis, ki te manm Chanm Wayal Enstriksyon Piblik nan Wayòm Anri Kristòf la. Epi 2 frè sa yo te gen tit Baron. (94) Nou ta gen tandans asosye "Josepth" ki sou lis nan Kòmye a, avèk frè Janjak Desalin an, ki se Baron Joseph Dessalines. Men, se pa t menm moun an. Paske lòt frè sètifye Desalin an, Baron Louis Dessalines, pa sou lis la. Limen ke yo bay tit Baron nan dat 8 avril 1811, Louis Dessalines te jwenn lanmò nan mwa oktòb 1820, nan men opozan rèy Kristòf la.
3- Revizyonis yo, inanimman, te adopte vèsyon Thomas Madiou a ki di ke Janjak Desalin te fèt nan Kòmye nan Grannrivyèdinò. Revizyonis yo te neglije lefètke menm otè a, Madiou, te deklare an 1848, ke Janjak Desalin te pwopriyete sèlman 2 mèt : yon Blan yo rele Duclos (Diklo), ki te vann li pandan l te toupiti, bay yon Nwa yo rele Dessalines (Desalin).
"Desalin, lè l te piti, te rele Duclos. Epi premye mèt li, ki te yon blan, te vann li bay yon pwopriyetè nwa yo rele Dessalines, ke li te pran non l. Men anpil ofisye nan 4yèm [rejiman] an, ki te konpayon jenès li, te kontinye rele l Duclos." (Trad.) (95)
Prezans Duclos kòm pwopriyetè blan Desalin ki te vann li bay Desalin nwa a, sa nan kontradiksyon aklè ak deklarasyon revizyonis yo. Selon yo, Janjak Desalin te dabò pwopriyete Philippe Jasmin Désir. Apre sa li te vin pwopriyete vèv Philippe Jasmin Désir ki se Marie Marthe Toussaint. Epi finalman, li te vin pwopriyete Janvier Dessalines atravè maryaj msye avèk Marie Marthe. Sa fè 3 pwopriyetè olye de 2. Epi pasasyon pwopriyete (kaptif) la te fèt pa alyans (maryaj) olye ke nan achte.
4- Revizyonis yo te vin kouvri tou vèsyon kòrèk Edgar Le Selve la, ki te divilge ke Janjak Desalin te fèt nan Kòmye, yon lokalite nan Bandinò, paske vèsyon sila pa t aliyen avèk entansyon yo :
"Li te fèt an 1758 nan Kòmye, bitasyon nan Bandinò, toupre Kap Fransè, li te elve pa Duclos, yon kolon blan ke li te kenbe non l, dapre abitid esklav yo, ki te pran non mèt yo, jouk moman li te achte tou jèn ankò, pa Dessalines, nwa lib ke li te rete nan sèvis li jouk laj tranntwa zan, epi li te fè l vin mètdotèl li, lè li te vin gouvènè-jeneral." (Trad.) (96)
Vreman vre, pa t sèlman gen 1, men 2 Kòmye nan Pwovens Nò a. Yonn toupre Grannrivyèdinò, epi lòt la nan Bandinò, toupre Kap Fransè (kounye a Kap Ayisyen). E Kòmye nan Bandinò a, se kote Janjak Desalin te fèt. Selon jeyograf ayisyen Sémexan Rouzier, yon kontanporen [kidonk, ki t ap viv nan menm tan ak] Le Selve, yon zonn rele Duclos (Diklo) nan seksyon kominal Bandinò :
"Duclos. Bitasyon ki sitiye nan pòs militè Bandinò a, Komin Kap Ayisyen. Leta posede 4 kawo tè la ke kiltivatè okipe." (Trad.) (97)
Sa se se ansyen plantasyon François Amidieu Duclos (Franswa Amidye Diklo), Kapitèn dragons-milices du Port-Margot, (milis dragon yo nan Pòmago), epi nan konpayi Volontaires du Cap (Volontè nan Okap). Li te premye ki te kiltive tè sila ki teren deziyen "les cinquante pas du Roi ("senkant pa wa a"), ki endike ke li sitiye nan yon zòn bò lanmè, e ke yo travay li ak pèmisyon gouvènman an. Apati de 1745 oswa 1747, François Amidieu Duclos te lwe teren an ki pa t ko eksplwate, nan men gouvènman an. E li te fè 50 kaptif (esklav) travay li. Nan 18 Me 1762, François Amidieu Duclos te resevwa konsesyon teren an ofisyèlman. (98) Yon desizyon legal nan 23 desanm 1765 te konsolide dwa li sou tè sila ki te apènn lakòz diskisyon nan tribinal. (99)
5- Teren toupre Kòmye sila, ki se yon bouk bò lanmè nan Bandinò, kòm li te sèl grenn plantasyon François Amidieu Duclos, (100) Jean-Jacques Duclos (Dessalines) (Janjak Diklo Desalin) te dwe fèt sou bitasyon Duclos sila, ki nan lè sa a, 20 septanm 1758, te nan fèmaj. E li (Desalin) te pote non bitasyon sila menm jan Tousen te pote non bitasyon Breda.
François Amidieu Duclos te mouri le 1ye mas 1777, (101) E pwiske yo te vann Janjak Desalin jèn anpil bay Janvier Dessalines (Janvye Desalin), e Janjak te gen sèlman 2 mèt, sa vle di ke yo te vann li lè François Amidieu Duclos te toujou vivan. Konsa, Jean-Jacques Duclos (Dessalines) (Janjak Diklo Desalin) te deja nan men Janvier Dessalines (Janvye Desalin) omwen 2 zan anvan kontra fèmaj Tousen nan Kòmye a, nan lane 1779 a. E se te omwen 10 zan anvan maryaj Janvier Dessalines an ak pitit fi Tousen an nan lane 1787.
Anplis, vant Janjak la te fèt san entèmedyè. Paske François Amidieu Duclos, Kapitèn Chasseurs-Volontaires du Cap (Chasè Volontè nan Okap) la, te nesesèman konnen Sèjan Janvier Dessalines ase byen. Pandan 11 an, msye te manm milis kolonyal la soti nan 1767 rive nan 1778. (102) Kidonk, Janvier Dessalines te toujou nan milis la 1 an apre lanmò a Amidieu Duclos, anvan li te rantre nan Chasseurs Volontaires de Saint Domingue (Chasè Volontè nan Sendomeng) yo.
6- Anons yo montre ke Janvier Dessalines te posede kaptif (esklav) anvan li te marye ak Marie Marthe an 1787. Anons sila nan 15 desanm 1784 te siyale yon kaptif (esklav) yo rele Marie, ki te pwopriyete Janvier, yon Nwa lib nan Okap :
"Nan Okap (...) le 12, Marie, Kreyòl, san etanp ki lizib, laj li apeprè 40 tan, li mens ak malad, li pwopriyete sila yo nonmen janvier a, N.L. [Nèg Lib] nan Okap, yo arete l nan Kanlwiz." (Trad.) (103)
Èske se te Janvier Dessalines, Sèjan Majò a? Li posib anpil. Anons ki swiv la revele plis bagay. Li soti nan prizon Senmak la, epi li prezante yon jenn Kongo ki te rele Augustin (Ogisten), e ki se pwopriyete "Deseline", yon Milat lib nan Cahos (Kawo) :
"Nan Senmak, (...) 13 dawou Augustin, Kongo, li tanpe jan nou pa ka li, li gen 9 an, li di li se pwopriyete sila yo nonmen Deseline an, M.L. [Milat Lib] ki rete nan Kawo." (Trad.) (104)
Jèn Kongo de 9 an an, ki te mal pwononse non Dessalines nan, te dekri li tankou yon Milat. Men, Janvier Dessalines ki te klase Nwa nan achiv yo (li te siyen plizyè papye eta sivil : maryaj, batèm, antèman), li te senpleman gen koulè klè, san li pa t yon milat pou sa. Pwen an se ke, li te gen kaptif (esklav) lontan anvan 1787 ; e sitou nan mòn Kawo, kote yo rekonèt ke Janjak Desalin konnen te yon kaptif (esklav) pi fò nan lavi li.
7- Selon lojik revizyonis la, Janjak Desalin te viv nan Kawo sèlman apatide lane 1787, lè li te gen 29 an. E, li te rete sèlman 4 an nan kote sila, pwiske an 1791, li te kite plantasyon sila pou l te rejwenn revolisyonè yo. Men, poutan, analiz ekriti istorik yo revele ke Desalin te gen yon relasyon konplisite de plizyè deseni ak moun nan Kawo yo. Tèks Gaspard Théodore Mollien an, ki pa t ko pibliye, te mansyone ke anvan Revolisyon an, timoun nan rejyon kote Janjak Desalin te rete a te rele li "Papa Jak" :
"Janjak, [ki vin nonmen Desalin], te yon move esklav, ki te lage nan tout vis, epi sitou nan bwè pou sou ; pa gen anyen ki te ka korije l , pa menm tretman ki pi mechan yo. Yo pa t janm wè, yo di, yon nèg ki pi souvan kouche sou echèl fatal la. [kout rigwaz.] Mèt li te mete l nan vann fri, e kòm aparans vivan epi cho li te fè yo remake l anpil, tout timoun yo anjeneral te konnen li, epi yo t abitye rele, lè li t ap pase nan lari : "Papa Jacques, ba nous oranges." (Papa Jak, ba nou zoranj). Desalin te byen kontan distribye pwopriyete mèt li bay yo.
Lè levekanpe a te pete, lanbisyon te sezi jèn machann fwi a ; li toudenkou te kite bwè tout bwason entoksikan, yon jou li te sove nan plenn nan epi li te kouri al jwenn twoup Jan Franswa a." (Trad.) (105)
Bò pa li, Thomas Madiou te fè konnen ke moun nan Kawo yo, ke Janjak te konnen pifò pa non, te rele l "Papa Jak", pandan l te Jeneral :
"Men li [Janjak Desalin] te renmen katye Latibonit la (…) Li te konnen yo pifò pa non. Yo te rele l Papa Jak e lè li te konn soti nan palè a, li te konn resevwa benediksyon tout fanmi katye a." (Trad.) (106)
Enfòmasyon diferan e ki kwaze sa yo, konfime ke konplisite Janjak Desalin an ak rezidan nan Kawo yo, te soti depi nan tan jenàs li ; omwen, konplisite sa a te chita sou plis pase yon relasyon de 4 lane. E ke depi anpil tan, li te mete bezwen pèp li pi wo pase bezwen pwòp tèt li. Li te konn riske pran kout fwèt nan distribye fwi bay timoun yo. Moun nan Kawo yo pa t sispann admire depi tan sa.
8- Yon lòt pwen valide agiman ke Janjak Desalin te abite nan Kawo byen anvan maryaj Janvier Dessalines ak Marie Marthe. Pwen sila chita nan relasyon espesyal Janjak Desalin te genyen avèk matant adopte li, Victoria Montou. Dapre pawòl Janjak Desalin ke Jean-Baptiste Mirambeau, doktè pèsonèl li, te rapòte, li (Janjak Desalin) te kaptif (esklav) nan mòn Kawo ansanm ak Victoria Montou. Fanm sila, yo bay ti non Toya, te tankou yon manman pou li. Lè l te vin Anperè, li (Desalin) te ankouraje Mirambeau trete vye matant li Toya ki te tonbe malad :
"Fanm sila se matant mwen, geri l menm jan ou ta ka geri m, li te sibi tankou m tout doulè yo, tout emosyon yo, pandan tout tan an nou te kondane kòt a kòt nan travay tè." (Trad.) (107)
Epi lè Victoria Montou te mouri nan dat 12 jen 1805, se te brigad gad Imperial la ki te pote sèkèy li. Anperè Jak 1ye te evalye dire relasyon li avèk kokennchenn dam sila :
"Rive nou anba galri a, nou te jwenn Anperè a ki di nou pandan l ap kriye : "Matant mwen mouri, konpay mwen depi lontan anpil, nan tan soufrans nou, li mouri."" (Trad.) (108)
Konsa, Janjak Desalin, nan pwòp pawòl li, nye tèz absid la, lè li te tabli dal tan li te rete nan Kawo. Yon dal tan douloure, kòm pwopriyete Janvier Dessalines. E sou bitasyon nan Kawo a,  Janjak Desalin, apati de 1787, ta pwobableman rankontre Marie Marthe Toussaint, nouvo madanm mèt li a. E petèt Janjak Desalin te rankontre l anvan sa, lè Marie Marthe Toussaint te fiyanse ak Janvier Dessalines.
Janjak Desalin, ke tout moun di gen move tanperaman, e ke Janvier Dessalines di li se yon "move chen", (109) ta pwobableman gen chire pit ak Marie Marthe Toussaint. E sa ta ka byen jistifye degou li te vin genyen pita, lè pitit fi li Celestine (Selestin) te vin ansent pou Bernard Chancy, ki se kouzen Marie Marthe ak neve Tousen Louvèti. Marie Marthe ak papa li Tousen, Janjak Desalin te sibòdone toulede. Epi li te san dout abitye gen anpil dezakò avè yo.

9- Li evidan ke Janjak Desalin, ki te yon senp travayè jaden, - e ki pa t menm yon kòmandan atelye - ki te toutoplis yon bòs chapant, li pa t nan kondisyon pou l te vin Jeneral maton ke l te vin ye a. Men, kaptivite li ki te kòmanse lakay François Amidieu Duclos nan Bandinò, e ki te fini lakay Janvier Dessalines nan Kawo, te sètènman baz jeni militè li. Paske, depi l te toupiti, Janjak te konn wè atizay lagè. Trè jèn, li te konn gade premye mèt li, Kapitèn François Amidieu Duclos ki t ap bati pwòp batri kanno li, ak apwobasyon otorite yo, pou l te pwoteje bitasyon li ki bò lanmè. (110)
Epi, Janjak te swiv ekselan karyè militè dezyèm pwopriyetè li a, Sèjan-Majò Janvier Dessalines, yon veteran pandan 13 mwa nan Lagè Revolisyon Ameriken an, akote Jean Baptiste Belley, jèn Anri Kristòf, epi Lyetnan Jean Baptiste Felix Amidieu Duclos, ki se neve François Amidieu Duclos.
Janjak Desalin te respekte karyè Janvier Dessalines ki, lè l te pran retrèt li, te resevwa nan men Komisyonè sivil Sonthonax, pòs distenge de konsyèrj nan kay Gouvènman an. Le 21 Avril 1804, Janjak Desalin te pwolonje okipasyon nonm sila ke li pote non li an, lè li te konfye Janvier Dessalines pòs prestijye de Gran Mèt otèl Gouvènman li an. (111)
Jean-Louis Donnadieu ak Philippe R. Girard, nan gwo ponyèt, te foure Philippe Jasmin Désir nan mitan gwoup selèb de Volontaires de Saint Domingue (Volontè nan Sendomeng) yo. 2 chèchè sa yo te pretann ke Philippe Jasmin Désir te lwe Tousen plantasyon an pou yon ti tan, pou te ale nan lagè nan Etazin. (112)
Louvètiryen odasye sa yo te neglije lefètke Volontaires de Saint Domingue (Volontè nan Sendomeng) yo te ale Savana apati de Kap Fransè nan dat 15 out 1779. E lè sa a, Philippe Jasmin Désir te toujou nan koloni a. Li te siyen kontra afèmanj Tousen Breda alyas Louvèti a le 17 out 1779. Epitou, kontra afèmaj la te siyen okòmansman pou yon peryòd de 9 lane. Anplis, pa gen okenn dokiman ki enfòme ke Philippe Jasmin Désir te janm mete yon grenn inifòm militè.
10- Yon lòt bagay ki te kontribiye nan jeni militè Janjak Desalin, se kontak san rete ke l te genyen ak Victoria Montou, sou bitasyon nan Kawo a. Matant adoptif sila, ki te pataje karaktè wòklò li a, yo te transfere l nan ta nan plantasyon kolon Déluger a, toupre Monrwi. Pandan Revolisyon an, Victoria Montou ki te kòmandè kaptif (esklav) yo nan travay tè, te kòmande, pou yon ti tan, yon gwoup mesye revòlte. Entansyon yo se te rejwenn twoup Janjak li a. Lè 2 sòlda te pouswiv li, Victoria Montou te blese 1 grav, anvan ranfò te rive arete l. (113)
Malgre lefètke Jean-Baptiste Mirambeau, doktè Desalin lan te rele atik li a "Victoria surnommée Toya par ses congénères" ("Victoria ke kanmarad li bay tinon Toya"), fo istoryen ayisyen Bayyinah Bello te deklare ke vrè non Victoria Montou se te Toya. Dapre propagandis Bello a, yo te nonmen matant adoptif Desalin nan Agbaraya Tòya, (114) Non li sa ta va ran li antanke "Amazonn", kidonk fanm lagè ki soti nan Dawomen (Benen).
Se vre ke Agbaraya refere a yonn nan senk espesyalite fanm lagè Dawomen yo, ke yo bay non Amazonn. (115) Men nan nòt istorik yo, pa gen pyès kote yo pale de grad "Agbaraya" ke Victoria ta genyen, ni sipoze orijin Dawomen li. Anplis, Anperè Janjak Desalin limenm te rele Victoria pa non li "Victoria" :

"Nou ta pral fè rout nou lè Anperè a te rive, li te mete men l sou zepòl Madan Desalin epi li te di, pandan l te bese tèt li, kole l sou pa bon madanm li : " Victoria mouri ! Konnye a mwen gen ou sèlman, ou sèl, toupre m, Claire, boubout mwen."" (Trad.) (116)
Epi sou kavo matant li, te ekri : "Se la k repoze, Victoria, ki fèt Montou". Sa sijere ke Victoria Montou te yon Kreyòl, kidonk, li te fèt sou zile a. (117) Anplis, Jean-Baptiste Mirambeau, ki te vizite Victoria Montou lè l te kaptif (esklav) nan Monrwi, te obsève l nan fonksyon l ki se "Komandè" atelye a. Sa ranfòse lide ke Victoria Montou te yon Kreyòl, e ke li pa t yon "Afrikèn". Paske : a) Ka li a inik. Se sèl fwa nou jwenn yo pale de yon fanm ki te jwe wòl esansyèl sila, ki se kòmandè nan yon plantasyon. an) Si kaptif (esklav) gason yo ki fèt nan "Lafrik" te trè raman jwenn responsablite sila, ki se kòmandè ; alewè pou yon fanm ki fèt nan "Lafrik".
11- Gaétan Mentor, yon lòt fo istoryen ayisyen, te deklare, san bay prèv, ke non Victoria pa t Montou, men Mouton ; sa ki vle di ke li te gadyen mouton :

"Lejand la pretann ke li [Desalin] te yon bòs chapant, sa vle di, yon nèg ki gen talan, ak yon spesyalite. Si deklarasyon sou Desalin sila pa sèten, li posib anpil pou Victoria Montou aktyèlman Victoria "Mouton", sa ki vle di gadyen mouton, yon travay konfyans ke anjeneral yo bay esklav andikape oswa granmoun yo." (Trad.) (118)
Gaétan Mentor, lè li entwodwi tèz li a sou Victoria kòm gadyen mouton an, li te neglije pawòl Desalin ki te fè konnen ke yo te kenbe l pandan anpil tan, pa nan gade mouton, men nan travay di ki se travay latè, bò kote matant li Victoria. Epoutan, Mentor te fèk site pawòl Desalin an :
"Li [Desalin] te afime ke fanm sila [Victoria] te non sèlman matant li, men ke li te sibi ansanm ak li "tout doulè yo, tout emosyon yo "pandan tout tan an yo te "kondane nan travay tè." (Trad.) (119)
Gaétan Mentor te fè biyografi Janjak Desalin san li pa t menm konnen ke pawòl Anperè a, ke li te sot site, sa te soti nan ekriti doktè Anperè a, ki se Jean-Baptiste Mirambeau. Gaétan Mentor ki kontante l repete sous segondè, pa t konnen ke doktè Mirambeau (ke li pa t mansyone) te obsève Victoria Montou, nan yon laj avanse, ki te kòmandè nan travay latè. E Victoria pa t nan gade mouton. Doktè Mirambeau, ki te asiste fineray Victoria, ke li te konsilte lè manmzèl te prèt pou mouri, te afime ke "Montou" te enskri sou tonb fanm lagè sila :
"Antèman an te fèt nan simityè vil la, le 13 jen 1805. Sou yon wòch taye, ki te sou teras triyangilè kavo a, te ekri :
Se la k repoze :
Victoria, ki fèt Montou,
li mouri le 12 jen 1805.
priye pou li." (Trad.) (120)
Epitou, Gaétan Mentor pa t pran tan pou l verifye ke Montou te yon tinon franse ki te ase nòmal nan tan koloni Sendomeng la. (121) Anons sila, ki soti nan prizon Pòtoprens la, le 16 out 1787, li revele ke yo te abitye tanpe kaptif (esklav) yo ak non fanmiy sila :

"Nan Pòtoprens, le 29 mwa dènye a, te antre nan Prizon an, Antoine, Kongo, li tanpe MONTOU, anba a ROY, li di ke li se pwopriyete Msye Guillemin." (122)
Gen lè odas entelektyèl ayisyen yo, se sèl sitirèz yo ki egal li.
12- Kanta pou idantite manman Desalin, sa rete enkoni. Gen kèk moun ki di ke manman Janjak Desalin (manman Polyphème, ak Marie Noelle) te rele Marie Élisabeth. Lide fo yo a soti nan yon erè nan endèsk liv Histoire d'Haïti Thomas Madiou a, kote li di : "Marie Elisabeth (Manman Desalin): 3; 311". (Trad.) (123) Sepandan, nan Volim 3 a, ekstrè yo te bay referans li a, te fè konnen, san anbigwite, ke Marie Elisabeth, se te pito manman Anperèz Marie-Claire Heureuse Félicité Bonheur, ki se madanm Desalin :
"Madam Marie Elisabeth, manman Samajèste Anperèz la, te mouri nan Latibonit, a laj de 56 an, nan dat 2 novanm 1805. Antèman li te fèt nan Desalinvil, nan denmen, ak pi gwo solemnite." (Trad.) (124)
Gen lòt menm, ki kwè ak tò, ke Marie Elisabeth te manman Desalin, pandan ke Marie Saint-Lobelot te manman Anperèz la. (125) Men, okontrè, se te menm moun an : Marie Sainte Elisabeth Saint Lonnelot, manman Anperèz la. E papa Anperèz la te gen non Guillaume Bonheur. (126)
13- Ann pran nòt, pou n fini ke Weber Tiecoura Dorleans Jean-Baptiste, yon desandan Desalin, te simaye tankou Bayyinah Bello, ke Victoria Montou te rele Agbaraya Toya (ke li ekri Agbawaya). (127) Weber Tiecoura mansyone tou, san prèv istorik, ke Janjak Desalin te fèt nan Kawo, nan Latibonit. (128) Li bay agiman ke moun nan rejyon an (Machan) reklame sa vèbalman. Men, kisa yon reklamasyon konsa vo, lè moun ki rete Kòmye, nan Grannrivyèdinò, reklame nesans Desalin menm jan an tou? Done san patipri epi verifyab yo montre klèman ke Janjak Desalin te fèt sou bitasyon Duclos, nan Kòmye ki nan Banndinò a.
Finalman, Weber Tiecoura pa t menm reklame ke li se prens enperyal? Sa vle di li pa respekte Desalin, ki, lè l te Gouvènè Jeneral, te deklare solanèlman epi nan pwòp desizyon l :


"mwen renonse, wi, mwen renonse enjistis la ki se pase pouvwa m bay fanmi mwen." (Trad.) (129)
Li te di sa nan Lwa sou akseptasyon grad li nan diyite enperyal la, le 15 fevriye 1804. Apresa, nan atik 23 nan konstitisyon enperyal de 20 me 1805 li a, Anperè Desalin (Jak I) te pwoklame bay linivè ke :

"Art. 23. — Kouwòn an pase nan eleksyon e li pa ereditè." (Trad.) (130)
Kidonk, kouwòn an pa dwe al jwenn fanmi li. Konsa, pa gen ni prens, ni prensès, ki soti nan ras Desalin.
 
 
 
Referans
(1) "Un prélude hors-série : l'indépendance d'Haïti. Le premier état américain, après les États-Unis, à prendre son indépendance a été la République d'Haïti (1er janvier 1804). Événement gênant et volontiers passé sous silence : il résultait en effet d'une révolte des esclaves noirs contre le régime esclavagiste, et d'une défaite majeure essuyée par la France sous le Consulat jamais mentionnée comme telle." (Tradiksyon) : "Yon kòmansman ki apa : endepandans Ayiti. Premye eta nan Amerik, apre Etazini, ki te pran endepandans li, se te Repiblik dAyiti (1ye janvye 1804). Yon evènman anbarasan ke yo byen kontan neglije : li se rezilta yon revòlt esklav nwa kont sistèm esklavaj la, epi yon gwo defèt pou Lafrans pandan Konsila a, ke yo pa janm admèt." In : Jean Suret-Canale. ‪Panorama de l'histoire mondiale. De la conquête du feu à la révolution informatique‬. Paris, 1996. pp.421-422.
(2) Marie-Antoinette Menier, Jean Fouchard et Gabriel Debien. "Toussaint Louverture avant 1789, légendes et réalité". In : Conjonction : Revue frano-haïtienne, n° 134 (1988). Site nan : "Toussaint Louverture et l'indépendance d'Haïti : témoignages pour un bicentenaire" edisyon l fèt pa Jacques de Cauna. Paris, 2004. pp.61-67.
(3) Jacques de Cauna. Toussaint Louverture : Le Grand précurseur. Paris, 2012. pp.107-114.

(4) Philippe Girard, Jean-Louis Donnadieu. "Nouveaux documents sur la vie de Toussaint Louverture." In : Bulletin de la Société d'Histoire de la Guadeloupe. 166-167 (2013). pp.117–139.
(5) Philippe R. Girard. "Jean-Jacques Dessalines et l'arrestation de Toussaint Louverture", In : Journal of Haitian Studies. Vol. 17, No.1 (Spring 2011), pp.123-138.
(6) LeGrace Benson. "Some Breton and Muslim Antecedents of Voudou Drapo". In : Textile Society of America. January, 1996.
(7) Ibid.
(8) LeGrace Benson. "Qismat of the Names of Allah in Haitian Vodou". In: Journal of Haitian Studies, Vol 8 No. 2, 2002. pp.160-164.
(9-10) Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo haïtien. Paris, 1953. pp.62-63.
(11-12) A. Le Hérissé. L'ancien royaume du Dahomey, moeurs, religion, histoire. pp.239, 266-270.
(13) LeGrace Benson. "Some Breton and Muslim Antecedents of Voudou Drapo". In : Textile Society of America. January, 1996.
(14) LeGrace Benson. "Qismat of the Names of Allah in Haitian Vodou". In: Journal of Haitian Studies, Vol 8 No. 2, 2002. pp.160-164.
(15) LeGrace Benson "How Houngans Use the Light from Distant Stars". In : Vodou in Haitian Life and Culture~Invisible Powers. New York, 2006. pp.155-179.
(16) Susan Buck-Morss. Hegel, Haiti, and Universal History, Pittsburgh, 2009. p.143.
(17) João José Reis, Slave Rebellion in Brazil: The Muslim Uprising of 1835 in Bahia. London 1993. p.94.
(18) Sylviane Anna Diouf, Sylviane Kamara. Servants of Allah: African Muslims Enslaved in the Americas. New York, 1998. pp.154, 161.
(19) Premye Ak Endepandan Ayiti, nan Fòlibète le 29 novanm 1803. In : Luc Rémy. Réflexions Stratégiques Sur Haïti. 2013. pp.413-414.
(20) S.J. Ducoeurjoly "Manuel des habitans de Saint-Domingue. Tome 1. Paris, 1802. pp.29-30.
(21) Diskou Desalin nan jounen 28 avril 1804. In : Placide Justin, James Barskett (Sir.). Histoire politique et statistique de l'île d'Hayti: Saint-Domingue... Paris, 1826. pp. 421-422.
(22) Jeremy D. Popkin. A Concise History of the Haitian Revolution. Wiley-Blackwell, 2012. p.46.
(23) Lèt Leclerc ekri Bonaparte le 7 oktòb 1802 : In : Luc Rémy. Op. Cit. p.132.
(24) Louis Boisrond-Tonnerre. Mémoires pour servir a l'histoire d'Haïti. Paris, 1851. p.71.
(25) Diskou Desalin nan jounen 28 avril 1804. In : Placide Justin, James Barskett (Sir.). Op. Cit. p.421.
(26) Prophète Joseph. Dictionnaire Haïtien-Français. Montréal, 2003. p.70.
(27) Prophète Joseph. Ibid. p.356.
(28) Premye Ak Endepandan Ayiti, nan Fòlibète le 29 novanm 1803. In : Luc Rémy. Op. Cit. p.414.
(29) Diskou Desalin nan jounen 28 avril 1804. In : Placide Justin, James Barskett (Sir.). Op. Cit. p.425.
(30) Louis-Joseph Janvier. Les Constitutions d'Haïti (1801-1885). Paris, 1886. pp.29-41.
(31) M. E. Descourtilz. Voyages d'un naturaliste, et ses observations... Volume 3. Paris, 1809. p.325.
(32) M. E. Descourtilz. Ibid. pp.330-331.
(33) M. E. Descourtilz. Ibid. p.341.
(34) M. E. Descourtilz. Ibid. pp.350-351.
(35) M. E. Descourtilz. Ibid. pp.364-365.
(36) Jacques de Norvins. "Variétés. Toussaint Louverture". In : La Presse du dimanche 13 novembre 1836, no.124. p.3.
(37) M. E. Descourtilz. Op. Cit. p.326.
(38) Peter S. Chazotte. Historical Sketches of the Revolutions, and the Foreign and Civil Wars in the Island of St Domingo. New York, 1840. p.53.
(39) Aisha Khan. "Islam, Vodou, and the Making of the Afro-Atlantic". In : New West Indian Guide,Vol. 86, no. 1-2 (2012), pp. 29-54. URL: http://www.kitlv-journals.nl/index.php/nwig/index
(40) M. E. Descourtilz. Op. Cit. pp.142-143.
(41) Diskou Desalin nan jounen 28 avril 1804. In : Placide Justin, James Barskett (Sir.). Op. Cit. p.421.
(42) Diskou Desalin nan jounen 28 avril 1804. In : Placide Justin, James Barskett (Sir.). Ibid. p.424.
(43) Thomas Madiou. Histoire d'Haiti. Tome 2. Port-au-Prince. 1847. p.210.
(44) Thomas Madiou. Histoire d'Haiti. Tome 1. Port-au-Prince, 1847. p.180.
(45) Thomas Madiou. Op. Cit. Tome 2. p.190.
(46) Thomas Madiou. Ibid. p.210.
(47) Diskou Desalin nan jounen 28 avril 1804. In : Placide Justin, James Barskett (Sir.). Op. Cit. pp.422-423.
(48) Jacques Adélaïde-Merlande. Delgrès ou la Guadeloupe en 1802. Paris, 1986. p.10.
(49) Diskou Desalin nan jounen 28 avril 1804. In : Placide Justin, James Barskett (Sir.). Ibid. pp.421, 423-424.
(50) M. E. Descourtilz. Op. Cit. pp.208-209.
 
(51) Diskou motivasyon Biassou nan 1791 di konsa : "Quand l'exaltation était parvenue à son comble, Biassou suivi de ses sorciers, se présentait à la foule et s'écriait que l'esprit de Dieu l'inspirait ; il annonçait aux africains que s'ils succombaient dans les combats, ils iraient revivre dans leurs anciennes tribus en Afrique." (Trad.) : "Lè eksitasyon an te rive nan bout li, Biassou, ansanm ak bòkò li yo ki swiv li, te parèt devan foul la, epi li deklare ke lespri Bondye enspire l ; li te anonse Afriken yo ke si yo mouri nan lagè, yo pral reviv nan mitan ansyan nanchon yo nan Lafrik." Thomas Madiou. Histoire d’Haiti, Tome 1. Port-au-Prince, 1847. pp.72-73 .
(
52) M. E. Descourtilz. Op. Cit. pp.383-384.
(53) Ak endepandan Ayiti le 1ye janvye 1804. In : Louis Boisrond-Tonnerre. Op. Cit. p.4.
(54) Diskou Desalin nan jounen 28 avril 1804. In : Placide Justin, James Barskett (Sir.). Op. Cit. p.424.
(55) M. E. Descourtilz. Op. Cit. pp.275-276.
(56) Moreau de St Méry. Description topographique physique... Tome 1. Philadelphie, 1797. p.44.
(57) Féquière Vilsaint, Maude Heurtelou. Diksyonè Kreyòl Vilsen, 3zyèm edisyon. Coconut Creek, 2009. p.233.

(58)
"Je mêle à mon récit des anecdotes secrètes de la vie privée de Toussaint-Louverture et de Dessalines, qui me sont ou personnelles, ou dont j'ai connu les principaux acteurs." (Tradiksyon) : "Mwen melanje nan temwayaj mwen an, kèk koze sekrè ki te rive nan vi prive Tousen ak Desalin, ki te rive m pèsonèlman, oswa ke m te konnen moun ki te jwe pi gwo wòl nan yo." In : M. E. Descourtilz. Voyages d'un naturaliste et ses observations... Volume 1, Paris. 1809. p. Lviij.
(59) M. E. Descourtilz. Voyages d'un naturaliste, et ses observations... Volume 3. Paris, 1809. p.254.

(60) M. E. Descourtilz. Ibid. p.352.
(61) ISPAN. "Département de l'Artibonite : liste de monuments". [anliy] URL : http://ispan.gouv.ht/?p=34 ; Vizite nan jounen 30 novanm 2019.
(62) Vincent Joos. Urban dwellings, Haitian citizenships : housing, daily life and memory in Port-au-Prince, Haiti. (Tèz) Chapel Hill, 2015. p. 262.
(63) F. R. de Tussac. Cri des colons: Contre un ouvrage de M. l’evêque et senateur Grégoire, ayant pour titre de la littérature des nègres. Paris, 1810. p.231.
(64) Paul Clammer. Haiti : The Bradt travel guide. 2nd edition, 2016.
(65) Thomas Madiou. Histoire d'Haïti. Tome 3. Port-au-Prince, 1848. p.179.
(66) Wè "Note 2 : Ordre des cérémonies du couronnement de Jean-Jacques, premier empereur d'Haïty". Li anekse nan Charles Malo. Histoire de l'Ile de Saint-Domingue, depuis sa découverte jusqu'à ce jour. (2e édition) Paris, 1819. pp.353-354.
(67-68) Thomas Madiou. Op. Cit. Tome 3. pp.232, 234-235.
(69) Yussuf J. Simmonds. "Legends : Jean Jacques Dessalines". In : Los Angeles Sentinel, February 11, 2010. [anliy] URL : http://lasentinel.net/Jean-Jacques-Dessalines.html ; vizite nan jounen 6 oktòb 2015.
(70) Odette Mennesson-Rigaud. "Le rôle du Vaudou dans l'indépendance d'Haïti." In : Présence Africaine. Nouvelle série. No.18/19 (février-mai 1958). pp.43-67.(p.65)
(71) A.J. Victor. "Le Vaudou est-il un problème social pour Haïti ? (2 de 3)". In : Le Nouvelliste du 22 octobre 2014. [anliy] URL : https://lenouvelliste.com/article/136751/le-vaudou-est-il-un-probleme-social-pour-haiti-2-de-3 ; vizite nan jounen 27 avril 2019.
(72) Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF) Fondasyon Felicitée. Sous la direction de Bayyinah Bello. Limyè 1 : Jean-Jacques Dessalines : 21 Pwenkonnen sou lavi li. Port-au-Prince, 2015. p.12.
(73) René-A. Saint-Louis, La présociologie haïtienne ou Haïti et sa vocation nationale. Montréal, 1970. p.9.
(74) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti..., Tome 5. Paris, 1854. p.418.
(75) Ausone de Chancel. "Cham et Japhet". In : Revue Britannique ou choix d'articles périodiques de la Grande-Bretagne et de l'Amérique. Tome 1. Septembre 1859. Paris, 1859. pp.87-141.(p.96)
(76) Gaspard Théodore Mollien. Histoire ou Saint Domingue. Tome 2. Paris, 2006. p.54.
(77) Diskou Desalin nan 1ye janvye 1804. in : Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti. Tome 6. Paris, 1856. p.26.
(78) S.J. Ducoeurjoly. Op. Cit. p.34.
(79) M. E. Descourtilz. Op. Cit. pp.209-210.
(80) Jean Targète, Raphael G. Urciolo. Haitian Creole-English Dictionary. Kensington, 1993. p.61.
(81) Féquière Vilsaint, Maude Heurtelou. Op. Cit. p.306.
(82) Wè Jasmine Claude-Narcisse (en collaboration avec Pierre-Richard Narcisse). "Marie-Claire Heureuse Dessalines 1758-1858". In : Mémoire de femmes. Port-au-Prince, 1997. p.192. [anliy] URL : http://www.jasminenarcisse.com/memoire/02_independance/03_clairheureuse.html ; Mirlande Hippolyte-Manigat. ‪Être femme en Haïti hier et aujourd'hui‬: ‪le regard des constitutions, des lois et de la société‬. Port-au-Prince, 2002. p.346. ; Guy Poitry. Dessalines. Montréal, 2007. p.250.
(83) Thomas Madiou. Op. Cit. Tome 2. pp.118-119.
(84) Timoléon C. Brutus. L'homme d'Airain, vol.2 : du sang sur le trône. Port-au-Prince, 1947. p.49.
(85) Thomas Madiou. Op. Cit. Tome 3. p.187.
(86) Baron de Vastey. Le Système Colonial Dévoilé. Cap-Henry, 1814. pp.48-49.
(87) Gaspard Théodore Mollien. Histoire ou Saint Domingue. Tome 2. Paris, 2006. p.53.
(88) Gabriel Debien, Marie Antoinette Menier, Jean Fouchard. "Toussaint Louverture avant 1789, légendes et réalité ". In : Conjonction : Revue frano-haïtienne, n° 134 (1988). Site nan "Toussaint Louverture et l'indépendance d'Haïti : témoignages pour un bicentenaire" yon edisyon Jacques de Cauna. Paris, 2004. pp.61-67.
(89) Jacques de Cauna. Toussaint Louverture : Le Grand précurseur. Paris, 2012. pp.107-114.

(90) Jean-Louis Donnadieu et Philippe Girard. "Nouveaux documents sur la vie de Toussaint Louverture" in : Bulletin de la Société d'Histoire de la Guadeloupe. Numéro 166–167, Septembre, 2013, Décembre, Janvier, Avril, 2014, p. 117–139.
(91) "C'est un bon ouvrier, mais un mauvais chien", (Se yon bon travayè, men yon move chen), Janvier Dessalines gen lè te abitye di de Janjak Desalin. Yon sitasyon : Dubroca. Mémoires du Général Toussaint L'Ouverture écrits par lui-même. Paris, 1853. p.31 ; Charles Malo. Histoire d'Haïti (île de Saint-Domingue), depuis sa découverte jusqu'en 1824. Paris, 1825. p.302.

(92) Pierre Josué Agénor Cadet. "1810-2010 : Bicentenaire de naissance du Président Jean Nicolas Nissage SAGET". In : Le Nouvelliste du 28 décembre 2010. [anliy] URL : https://lenouvelliste.com/article/86908/1810-2010-bicentenaire-de-naissance-du-president-jean-nicolas-nissage-saget ; vizite nan jounen 28 jen 2019
(93) Robert R. Price. "Dessalines et Marie Noelle, Aïeuls des Trujillo et des Saladin?" Revue de la Société haïtienne d'histoire et de géographie, No. 210. Port-au-Prince, 2002. pp.58-60.
(94) Buon. Almanach royal d'Hayti, pour l'Année Bissextile 1820. Sans Souci, 1820. p.138.

(95) Thomas Madiou. Op. Cit. Tome 3. p.153.
(96) Edgar La Selve. Le pays des nègres : voyage à Haïti, ancienne partie française de Saint-Domingue. Paris, 1881. pp.166-167.
(97) Sémexan Rouzier. Dictionnaire géographique et administratif universel d'Haïti Vol. 1. Paris, 1892. p.331.
(98) "Mémoire pour servir à l'instruction à l'affaire du Sieur Amidieu Duclos ancien Capitaine de dragons actuellement Capitaine Commandant la compagnie des Volontaires du Cap." In : "Amidieu-Duclos, François, capitaine de dragons-milices, commandant de la paroisse du Port-Margot, à Saint-Domingue (1767/1771)" ; FR ANOM COL E 4, ; URL : http://anom.archivesnationales.culture.gouv.fr/ark:/61561/up424rmktx
(99) M.L.E. Moreau de Saint Méry. Loix et constitutions des colonies françoises de l'Amérique sous le vent... Tome 4. Paris, p.877.
(100) ANOM. "Mémoire pour servir à l'instruction à l'affaire du Sieur Amidieu Duclos..." Op. Cit.
(101) ANOM : Archives Nationales d'Outre-Mer, État Civil, Le Cap 1777. Acte de décès du 2 mars 1777.
(102) "Dessalines, Janvier, sergent-major dans la milice coloniale, concierge de la maison du Gouvernement, à Saint-Domingue (1796) ; "FR ANOM COL E 129. URL : http://anom.archivesnationales.culture.gouv.fr/ark:/61561/up424ommpny
(103) Les Affiches Américaines du mercredi 15 décembre 1784. Parution no.50. p.809.
(104) Les Affiches Américaines du jeudi 26 juillet 1787. Parution no.59. pp.375-376.
(105) Gaspard Théodore Mollien. Op. Cit. p.53.
(106) Thomas Madiou. Op. Cit. Tome 3. p.152.
(107-108) Jean-Baptiste Mirambeau. "Victoria surnommée Toya par ses congénères". In : Femmes haïtiennes. Port-au-Prince, 1953. pp.20, 21.
(109) Janvier Dessalines. Yon sitasyon Dubroca. Op. Cit. p.31 ; Charles Malo. Op. Cit. p.302.
(110) ANOM. "Mémoire pour servir à l'instruction à l'affaire du Sieur Amidieu Duclos..." Op. Cit.
(111) Thomas Madiou. Op. Cit. Tome 3. p.136.
(112) Jean-Louis Donnadieu et Philippe Girard. "Nouveaux documents..." Op. Cit.
(113) Jean-Baptiste Mirambeau. "Victoria surnommée Toya..." Op. Cit. p.19.
(114) Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF) Fondasyon Félicitée. Sous la direction de Bayyinah Bello. Op. Cit. pp.9-11, 17.
(115) Victor Nicolas. L'Expédition du Dahomey, en 1890. Paris, 1892. p.26.
(116-117) Jean-Baptiste Mirambeau. "Victoria surnommée Toya..." Op. Cit. p.21.
(118-119) Gaétan Mentor. Dessalines: l'esclave devenu empereur. Pétionville, 2003. pp.8, 7.
(120) Jean-Baptiste Mirambeau. "Victoria surnommée Toya…" Op. Cit. p.21.
(121) https://en.geneanet.org/genealogy/montou/MONTOU
(122) Les Affiches Américaines du jeudi 16 août 1787. Parution no.65. p.411.
(123) Thomas Madiou. Histoire d'Haïti. Tome 8 (2e éd.) Port-au-Prince, 1989. p.411.
(124) Thomas Madiou. Op. Cit. Tome 3. p.311.
(125) Généalogie d'Haïti et de Saint-Domingue. http://sites.rootsweb.com/~htiwgw/familles/fiches/073429.htm ; http://sites.rootsweb.com/~htiwgw/familles/fiches/004036.htm
(126) Robert Price. "Descendance de Dessalines à travers Célimène et Bernard Chancy", Mars, 2000. In : ‪Revue de la Société haïtienne d'histoire et de géographie‬, Issue 210. p.62.
(127-128) Weber Tiecoura Dorléans Jean-Baptiste. "20 septembre 1758 : naissance du messie Jean-Jacques Dessalines plus que grand et la critique des opposants ; La grande fête de septembre et l’inquiétude…". Poste nan jounen 16 oktòb 2015. [anliy] URL : http://hrhprincetiecourajbdessalinesdorleans.blogspot.com/2015/10/20-septembre-1758-naissance-du-messie.html ; Vizite nan jounen 3 desanm 2019.

(129) Louis Boisrond-Tonnerre. Mémoires pour servir à l'histoire d'Haïti. Paris, 1851. p.11.
(130) Louis Joseph Janvier. Les constitutions d'Haïti, 1801-1885, Volume 1. Paris, 1886. p.33.



Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Desalin pa t mizilman". 23 avril 2017 ; mizajou : 31 des. 2020. [anliy] URL : http://bwakayiman.blogspot.com/2017/04/desalin-pa-t-mizilman.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020