Bwa Kayiman (Bois Caïman) ak non pyebwa

 

Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 7 septanm 2016


Depi 1996, te gen yon boulòk ki tap simaye, kòmkwa zonn istorik yo rele Bwa Kayiman an (« Bois Caïman » nan lang franse), te soti nan "Bwa Kay Iman" ki ta vle di, dapre revizyonis yo, yon rakbwa (Bwa) kote ta gen yon kay (Kay), sipozeman yon prèt mizilman (Iman) ta rete. (1) Sipòtè rakonta mizilman sa a, ki pa pèdi tan nan chache bay prèv de sa yo di, te vle fè moun kwè ke imam sa ou pito "Iman" an, se te Boukman, lidè revolisyonè nan lane 1791 la. Menm non Boukman pa t epanye.  Djòlè yo di non li te soti nan konbinezon 2 mo angle « Book », ki vle di Liv; epi « Man », ki vle di yon Nonm. E lè 2 mo angle sa yo kole, yo ta vle di « Monm ki gen rapò ak Liv la ». Paske, nan peyi Jamayik, kote yo di Boukman ta dwe soti (e ke mwen demontre se pa t vre, nan yon atik k ap parèt pita), li (Boukman) ta dwe toujou ap mache ak yon liv. Epi, dapre odas revizyonis yo, nan mitan Jamayik pwotestan an, liv Boukman sa pa t kapab ankenn lòt sòt ke yon Koran an : liv sakre mizilman yo:
"Boukmann se yon gwo potorik gason negriye Angle pran nan kontrebann sou zile Jamayik. Li vin chwe sou bitasyon yon blan Franse ki rele Clemant. Gen listwaryen ki di se yon Afriken Mizilman li te ye paske yo te rele li Boukmann, sa vle di: nèg ki konn li. Listwaryen sa yo di, dòdinè se yon non yo te konn bay Afriken Mizilman ki te konn li liv Koran sou zile blan Angle te kontwole yo." (2)
Men, pou yo jistifye pi plis islamizasyon Boukman, yo te deklare ke li te yon Mandeng. (Bagay ke mwen demanti tou, nan yon atik k ap vini). Konbinezon boulòk sa yo ta dwe fè moun kwè ke seremoni Bwa Kayiman an, ki te ede deklanchman levekanpe nan 22 dawou 1791 an, ki li menm te mennen bay Revolisyon ayisyen an, ta dwe travay yon "Iman" mizilman:
"Nan zòn Bwa Kay Iman pa genyen e sanble pate janm te genyen bèt ki rele Kayiman an, kikonk sanble se pa la mo a sòti. Daprè kèk fouyapòt, non an sanble wè douvanjou apati prezans Boukmann osnon Fatiman nan zòn nan (Iman, nan relijyon Islam, relijyon Mizilman yo, se yon lidè relijye, kòmkwa yon Oungan/Manbo nan Vodoun). Kidonk Bwa Kay Iman ta ka vle di Bò kote Kay Imann lan ye a osnon Bwa Kay Imann." (3)
E pou yon moun fin kwè nèt nan tout bagay sa a, fò li fè konsi li pa konnen ke pandan seremoni ke yo di k te fèt nan (Bwa Kay Iman), swa dizan nan kay Boukman nan, Cécile Fatiman, yon manbo, te touye yon kochon nwa ; epi moun ki te la yo te bwè nan san li, yon pratik ke relijyon islam pa vle wè ditou.
Tout koze revizyonis sa yo, pa kanpe sou anyen, lè yon moun annik gade lis non pyebwa nan lang kreyòl la. Vreman vre, non pyebwa k kòmanse ak « Bois » (Bwa), epi ki fini ak non yon bèt (tankou « Caïman » (Kayiman)) fè mikalaw an Ayiti :

Bois à cochon (Kòchon) (p.248)
Bois bourrique (Bourik) (p.245)
Bois cabrit (Kabrit) (pp.263, 290, 291)
Bois cachiman (Se pa yon non bèt, men (Kachiman) sanble anpil ak "Kayiman") (p.235)
Bois caiman (Kayiman) (pp.260, 261, 279)
Bois cochon  (Kòchon(p.237, 244)
Bois cochon marron (Kòchon maron) (p.244)
Bois coq (Kòk) (pp.250, 274)
Bois coq d'Inde (Kòk ki soti Lend) (p,284)
Bois couleuvre (Koulèv) (pp.245, 294)
Bois crapaud (Krapo) (pp.252, 276)
Bois de coq (Kòk) (p.284)
Bois guêpes (Gèp) (p.252)
Bois lézard (Mabouya) (p.302)
Bois pigeon (Pijon) (p.271)
Bois poisson (Pwason) (p.297)
Bois poulette (Poulèt) (p.269)
Bois sadine (Sadin) (p.291)
Bois sardine (Sadin) (p.297)
Bois vache (Manman Bèf) (p.252)

Sous: Joel Timyan. Bwa Yo : Important Trees of Haiti. Washington, 2006. pp. 235-302.


Me nou jwen 5 pyebwa ki gen non Bois Caïman (Bwa Kayiman) nan Kreyòl (4) :

1) SPECIES
Lonchocarpus domingensis (Turp.)

SYNONYMS
Dalbergia domingensis Turp., L
DC. domingensis (Pers.) DC.

COMMON NAMES
bois caïman (H); anon de majagua, anon de rio,
anoncillo (RD); guamá de soga (C); genogeno
CPR); savonnette bois, savonnette riviere (G, M)

Sous (foto a) : http://diosolodumare.blogspot.ca/2013/08/hierbas-de-ogun.html
  
2) SPECIES
Lonchocarpus latifolius (Willd.) DC.

SYNONYMS
Amerimnum latifolium Willd..
Dalbergia pentaphylla Poir., L
heptaphyllus DC., L
pentaphyllus DC.

COMMON NAMES
battre à caïmanbois caïman (H); anon, anon de
majagua (RD); guamá de costa, guamá macho (C);
forte-ventura, palo hediono, palo seco (PR);
lancewood (US) .

Sous (foto a) : http://diosolodumare.blogspot.ca/2013/07/hierbas-de-oshun.html

3) SPECIES
Lonchocarpus neurophyllus Urb.

SYNONYMS
L. ehrenbergii Urb.

COMMON NAMES
bois caïman, bois d'anneau, caïman (H); anon de
majagua, anoncillo de majagua, azota criollo,
biajama (RD)

Sous (foto a) : https://science.mnhn.fr/taxon/species/lonchocarpus/ehrenbergii

4) SPECIES
Piptadenia peregrina (L.) Benth.

SYNONYMS
Acacia peregrina Willd.,
Anadenanthra pergrina Speg.,
Mimosa peregrina L., Niopa
peregrina Britt. & Rose

COMMON NAMES
bois caïman, bois ecorce, bois galle, oeuf de poule
(H); candelon, candelon de teta, cojoba, tamarindo
de teta (RD); bastard tamarind (J) 

Sous (foto a) : http://belezadacaatinga.blogspot.ca/2011/05/jurema-mimosa-hostilis.html

5) SPECIES
Eugenia domingensis Berg

SYNONYMS
E. aeruginea auth., not DC.

COMMON NAMES
bois caïman, brignolle, brille (H); guásara, guázara
(RD); comecará (C); guasábara (PR) 

Sous (foto a) : http://floraelverde.catec.upr.edu/especie_info.php?id=621


Referans
(1) André Gustave. "Haïti/Guerre de l’Indépendance: Bois-Caïman, On s’en souvient". Piblikatè Daniel Daréus, 20 dawou 2012 . URL: http://radiotelevision2000.com/home/?p=20003 ; Vizit nan 16 desanm 2015.
(2) Jafrikayiti (Jean Saint-Vil). Viv Bondye! Aba relijyon. Otawa, 2000. p.44.
(3) Jafrikayiti. Ibid. p.46.
(4) Joel Timyan. Bwa Yo : Important Trees of Haiti. Washington, 2006. pp. 260, 261, 279.




Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Bwa Kayiman (Bois Caïman) ak non pyebwa". 7 septanm 2016.
[anliy] URL: http://bwakayiman.blogspot.ca/2016/09/bwa-kayiman-bois-caiman-ak-non-pyebwa.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020