Cécile Fatiman pa t mizilman



Tèz revizyonis la kap chèche fè moun kwè ke Revolisyon ayisyen an te islamik, akoz de seremoni Bwa Kayiman an, pa ta dwe janm te pran oserye, di moman ke yon moun te konnen ke pandan seremoni sa, se te yon fanm ki tap dirije yon sèvis kote yo te tchwe yon kochon sakre, e ke moun ki te la yo te bwè san kochon sakre sa. Men, akoz de feblès sistemik ak san pran souf entelektyèl ayisyen yo, revizyonis bat pran yo pat pè oze fè je chèch. E se konsa teledjòl yo a te rive jèmen lakay alafwa Ayisyen achte figi yo, ansanm ak asosye etranje yo. Men, tou sa fini isit la. Paske griyen dan an dire kont tan, epi entelijans Ginen an ap reprann dwa li.


1- Kiyès ki te fi k te fè sèvis la ?

Otè Ayisyen Herard-Dumesle, touswit apre Vwayaj linan Nò a (Voyage dans le Nord), te devwale ke te gen yon reyinyon nan Mòn Rouj nan 14 dawou 1791, ki te swiv yon semèn pita pa seremoni an kote yon jenn fi te tchwe yon bèt kòm sakrifis (1). Jenn pretès sa te rele Cécile Fatiman. Sepandan, idantite li te rete enkoni pou anpil tan. Epi lemond pa tap janm te konnen ki moun li te ye, si yo tap tann sou istoryen kolonize tankou Jean Fouchard ki, osi bonè ke an 1953 (2), te okipe ap egzajere swadizan konesans kaptif (esklav) islamize yo. Idantite Cécile Fatiman te devwale an 1954 pa istoryen Étienne D. CHARLIER, dapre temwayaj Jeneral Pierrot Benoît Rameau, ki se pitit pitit pitit Madam Fatiman. Epitou, li se yon ewo nan rezistans kont okipasyon Ameriken an Ayiti (1915-1934) :
"Cécile FATIMAN, madanm Louis Michel PIERROT, ki te kòmande yon batayon moun nwa nan Vètyè, e ki te vin pita Prezidan Ayiti, te patisipe nan seremoni an Bwa Kayiman (Bois-Caïman) : li te yon manbo. Pitit fi yon nègès Afriken ak yon Prens peyi Lakòs, Cécile FATIMAN te yon milat je vèt ak cheve long nwa swa, ke yo te vann ak manman l nan Sendomeng. Manman an te gen de pitit gason ki te disparèt nan komès esklav la, san yo pa t kite okenn tras. Cécile FATIMAN te rete Okap [Ayisyen] jiska 112 an, nan posesyon de tout kapasite li.
Nou jwenn enfòmasyon sa yo de Jeneral Pierrot Benoit Rameau, pitit pitit Louis Michel Pierrot ak madanm li, ki te ba nou otorizasyon rann li piblik. Nou konnen ke Jeneral Rameau se younn nan ewo nasyonal nou yo, ke moun nou pa pale ditou de yo, pwobableman paske li vivan epi, sa rann li ankonbran. Vreman vre, nan 1915, lè militè Nò Ameriken an fè entèvansyon li an, li [Jeneral la] t'ap goumen nan North a kòm Jeneral-in-Chief nan twoup Rosalvo Bobo a. Li dakò ak Rosalvo, epi, malgre tout kalte bèl ofrann okipan an, li te opoze Konvansyon an ke li te konbat ak zam nan men l: sa k te fèl pran plis pase onz an nan prizon ak konfiskasyon richès li.
Nan endiferans ki pi konplè, "nonm ayisyen" nan jounen jodi a, bèt etranj sa ke Listwa nou pwodwi, wè granmoun etranj sa ap pase, granmoun sa ki sanble soti nan yon lòt tan: nan tan nou te gwo nèg, yon granmoun yo dwe salye byen ba, malgre ke l pale yon franse wòwòt men pawòl li chaje ak yon lojik san parèy, ansanm ak yon lonè nasyonal ki monte pi wo: 100.000 dola w la pa fouti achte lonè m, Kaptenn Waller! te reponn RAMEAU bay okipan an ki te vle achte l : Toussaint-Louverture, Desalin, ak pi fò nan gwo chèf 1804 nou yo pa t pale pi byen pase l. Chita koze Rameau a ak Kolonèl Waller ansanm ak Admiral T Caperton an, te fèt nan Odat nan Gonayiv, nan kay vakans Mesye Désert, nan mwa septanm 1915, nan prezans konsil Ameriken Woel, papa Mesye Gaston Woel
." (3)
Mete sou kote vwayaj ewoyik li, epi presizyon nan temwayaj li fè a, yon moun dwe wè ke Jeneral Rameau te idantifye grangrann li Cécile Fatiman kòm yon manbo, e pa yon pretès mizilman - yon pozisyon litijik ki pa egziste nan relijyon monoteyis (ki vle yon sèl Bondje sans anyen lòt) ak rayi fanm yo rele islam la. Paske, si Cécile Fatiman te mizilman, mo manbo a - ki vle di yon pretès nan reliyon Zansèt - pa t ap janm te itilize pa pitit pitit pitit li, ki, olye de sa, ta va bay presizyon sou jan l te diferan antanke mizilman. Anplis, CHARLIER, ki te pran temwayaj la, te dekri seremoni Bwa Kayiman sa klèman kòm  "yon gwo kòkennchenn seremoni vodou." (4).

Me rejis fanmi Jeneral Rameau ki pa t pitit pitit, men pitit pitit pitit Cécile Fatiman ak Prezidan Jean-Louis-Michel Pierrot.
  1. Cécile FATIMAN + Jean-Louis-Michel PIERROT
  2. Alfred PIERROT + Marguerite Avelina FRANÇOIS
  3. Anne Marie Altagrâce PIERROT + NN RAMEAU
  4. Pierre Benoit RAMEAU (5)
Konsa, dapre Herard-Dumesle, pretès nan seremoni sa a, yo rele "Bwa Kayiman" an, se te yon jenn fi, pa yon vye granmoun. Paske Cécile Fatiman te gen 16 zan nan ane 1791. E sa te konplètman nan menm sans ak deklarasyon  pitit pitit pitit li ki te fè nou konnen ke Cécile te mouri a laj de 112 zan. Vreman vre, li te fèt deyò koloni Sendomeng la an 1775, epi te mouri nan Cap-Ayisyen nan 1887. (Men kèk sous panse ke se nan dat 1883).


2- Izaj non Fatiman an nan Loksidan

Jis paske non "Fatiman" an te sonnen islamik, sa te rezon ase pou tout revizyonist yo deklare, san prèv, ke manbo a te mizilman. An 1992, Gérard Barthélémy te kòmanse voye pwen, lè li te reklame islamite Cécile Fatiman :
"Lejand popilè te pote lòt endikasyon ki etranjman konplemantè. Yonn nan yo, se non pretès la, ke tradisyon te lye sò li ak pa Boukman, nan seremoni Bwa Kayiman an. Li te rele Cécile Fatiman dapre Étienne CHARLIER ki rapòte ti koze sa.
(...)
Fatiman se, si genyen, yon non mizilman, ki etranjman te soti nan nannan seremoni sa.
" (6)
Apre sa, Charles Najman swiv nan lane 1995, li menm tou te deklare, san l pa pwouve l, ke Cécile Fatiman te gen yon non mizilman :
"Cécile Fatiman, yon manbo ki genyen istwa li lye, pa tradisyon an, ak Boukman, te gen yon non mizilman. Li parèt akote Boukman nan mitan seremoni Bwa Kayiman an lè l te touye yon bèt pou bondye peyi Lafrik yo. Madanm Louis-Michel Pierrot, ki te kòmande yon batayon natif natal nan Vètyè, Cécile Fatiman, yon milatrès ak je vèt epi cheve long nwa, te pitit fi a yon Afrikèn ak yon prens peyi Lakòs. Li te viv Okap jouk laj 112 zan..." (7)
Twa zan pita, nan lane 1998, Sylviane Diouf, Senegalèz la, te gen odas chanje non "Fatiman" an "Fatima", pou l te ka fè li sanble ak non yonn nan pitit tifi Mohamed :


"Anplis de Boukman, te gen yon fi ke yo di ki manbo (pretrès vodou) nan Bwa Kayiman. Non li te Cécile Fatiman e pita, li te vin madanm yon prezian Dayiti. Manman li te yon fanm Afriken e papa li te moun Lakòs. Se posib non nan mitan li te Fatima, menm jan ak pitit fi prefere Muhammad, epitou, li te ka yon mizilman." (8)
Men, si nou ta kwè revizyonist yo, non "Fatiman" an kapab soti sèlman nan islam afriken. Sepandan, rechèch ki pi senp la devwale ke non "Fatiman" an fè pati de lang peyi Loksidan ak franse, depi plizyè syèk anvan komès esklav la te tanmen. Li te non yon neve Almanzor, kidonk Al Mansûr, ki te konkeri peyi Lespay nan lane 978 jouk 1002 :


Tradiksyon :
 "Toupre chemin kouvri ak fèy Kontès Julia a
Lè solèy kouche ap klere lannwit toudousman,
Fatiman, neve Almansor
Kaptire jaden fleri sèvant la." (9)


Sa vle di, Loksidan te konnen non Fatiman an pi plis pase wit syèk anvan seremoni Bwa Kayiman an, oswa pi plis pase 3 syèk anvan Espanyòl yo ta dwe swadizan dekouvri Amerik.


Fatiman nan literati Loksidan

Depi plizyè syèk, anpil zèv literè Loksidan te gen pèsonaj ki rele Fatiman. Egzanp sa soti nan yon pyès komik nan lane 1696, kidonk 95 zan anvan seremoni Bwa Kayiman nan 1791 la.
Langlois Antoine Jacob Montfleury. Le Mary Sans Femme ou D. Brusquin Dalvarage, comédie en cinq actes. La Haye, 1696.

Fatiman te pèsonaj prensipal nan pyès popilè sila :





"ACTEURS [personnages]
D. BRUSQUIN Dalavare : Gentilhomme Espagnol.
(...)
FATIMAN : Gouverneur d'Alger.
(...)
La Scène est dans Alger.
Les préparatifs du Mariage de
Célime & de Fatiman, donnent
lieu à des Entrées, qui séparent
les Actes."
Tradiksyon :
"PÈSONAJ
D. BRUSQUIN Dalavare : Mesye Espanyòl
(...)
FATIMAN : Gouvènè vil Alje.
(...)
Sèn la nan Alje.
Preparasyon pou Maryaj
Célime & de Fatiman, bay
rezon pou kèk Antre, ki separe
ak yo
"
  
Pyès sa, "Le Mary Sans Femme ou D. Brusquin Dalvarage", te tradwi plizyè fwa, epi re-edite nan anpil lang. Sa te ede na  "Fatiman" an blayi an Ewòp menm jan nan koloni esklavajis tankou Sendomeng (Ayiti), kote yo te bay kaptif yo li kòm non baptèm, san ankenn rapò ak si yo te konn islam ou pa.


3- Non Fatiman an nan koloni a

Dapre revisyonis yo, Cécile Fatiman te yon milatrès ki te fèt mizilman nan Lafrik. Men, vwala ke prèv istorik yo montre ke non "Fatiman" an te itilize nan koloni a, keseswa antanke prenon, oswa antanke nondfanmi, san sa pa t vle di ke moun ki gen non sa te konn islam. Okontrè, "Fatiman" te popilè menm jan ak non kretyen tankou "Apollon" oswa "Julien". Kidonk, kolon yo te konn batize kaptif yo "Fatiman" san yo pa gade sous orijin etnik kaptif yo, ni sou rapò yo ta ka, ou pa, genyen ak islam.

Nou premye jwenn "Fatiman" nan yon lis moun ki te nan prizon nan Pòtoprens, nan dat 26 avril 1783, kidonk 8 an avan seremoni Bwa Kayiman :
Tradiksyon :
"Nan Pòtoprens, nan 9yèm de mwa sa, Fatiman, li di li se pwopriyete sa yo rele Jean-François Lilavois a, M.L. [Milat Lib] nan vil sa." (10)
Si nanchon "Fatiman" sa pa te di, sa pèmèt nou panse ke l te ka yon Kreyòl (kidonk, ke l te non yon kaptif ki te fèt nan koloni a). Paske Kreyòl te konsidere netr, oswa nanchon ke yo pa menm bezwen di a, nan Sendomeng. Si se pa t sa, yo ta va fè yon efò pou yo di nan ki nanchon etranje ke l te soti.

Men en an pita, toujou nan Pòtoprens, nou te trouve, nan lis prizon nan dat 17 avril 1784 a, yon kaptif Mandeng ki te rele "Fatiman" :
Tradiksyon :
"Nan Pòtoprens, nan 2yèm jou mwa sila, Fatiman, Mandeng make AUTURO, anba JACMEL, omwen sa nou te rive li, li pa ka di non li, ni pa mèt li." (11)
Èske "Fatiman" sa mizilman jis paske l te yon Mandeng? Pa nesesèman, pwiske nivo islam, nan mitan Mandeng yo, te diferan anpil depandaman de kote chak nan yo te soti. Anplis, toujou gen Mandeng ki rete nan Tradisyon yo nen Lafrik Ginen, kidonk, yo pa mizilman jouk jounen jodiya. Kwakilanswa, gen posibilite ke kaptif ki nan anons sa te kapab mizilman.
Sa ki si, se ke, nan 1784, 7 an anvan Bwa Kayiman, kaptif Mandeng sa pa t "ka di non li", kidonk, non "Fatiman" l nan, li te kapab se gadyen prizon yo ki te bay li. Anplis, li pa t konnen "ni pa mèt li", konsa, li pa t ka konpran politik ki t ap jwè nan koloni a, jouk pou yo ta ka fè l vin lidè senpman akoz de nanchon li ; jan revizyonis yo ap chèche fè moun kwè. 


Anplis de sa, senk an pita, toujou nan Pòtoprens, nan mwa jen 1789, nou te jwenn anons sila ki prouve ke non "Fatiman" an te tonbe pa aza sou kaptif yo. Anons sa montre yon kaptif Mandeng yo te rele "Narcisse", yon non kretyen, msye te kapab ap pataje menm chanm prizon ak you Koulango (Coulango) yo te rele "Fatiman" :
Tradiksyon :
"Dat 19, Narcisse, Mandeng, make BREVILIER, dimwens sa nou te rive li, li di li se pwopriyete M. Buzez, nan Lakayè : nan dat 20, Fatiman, Coulango, san etanp ki parèt, li gen mak peyi li sou figi epi nan do li, li di li se pwopriyete Mr. Henry, men li pa ka di kote li rete." (12)
"Fatiman" sa, de nanchon Koulango (ke yo te rele tou Coulango, Colango, Coulingo oubyen Coulongue nan Sendomeng, nan rapò ak Loango, ki se kapital Wayòm Loango (1550-1883), ki chita nan nò Wayòm Kongo-Angola a) msye pa t ditou mizilman paske li soti nan kot Wès "Afrik" Santral.



 Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Loango_%28R%C3%A9publique_du_Congo%29


Etan soti Loango (yon vil ki nan peyi yo rele Repiblik Kongo jodiya), li te, akoz de anpil tan pase nan kontak ak Pòtigè, pi abitye ak relijyon katolik ke islam. Paske dènyè relijyon sa de jis gen kontak nan pati Sant-Lwès Kongo gras a Swahili yo ki te konn fè vahevyen ant Kongo Santral ak pati Lès "Lafrik".
 

Fateman, non yo te bay yon kaptif Bambara (ki pa t mizilman)

Te gen tou yon kaptif Bambara ki te rele Fateman. Sa montre kijan non sa ta p grive nan Sendomeng. Espesyalman lè w konnen ke Bambara yo te yon nanchon ki pale lang Mandinka, men ki te refize konvèti nan islam :
Tradiksyon :
"Nan Pòtoprens, nan dat 27 mwa dènye a, (...) & Fateman, nanchon Bambara, po li rouj, san etanp ki parèt, li di li pwopriyete sa yo rele Poncette la, Milatrès lib." (13)

Fatime oswa Fatmé, non yon katif fi Mezerad (Meseurade) (ki pa t mizilman)

Li vin difisil anpil pou yon moun kontinye di ke non "Fatiman" an te ra nan koloni a, depi ke nou jwenn "Fatime", yon non ke yo te bay yon kaptif Kongo, lòt lè, se yon Ibo yo rele konsa ; epi lòt lè ankò, se yon Mezerad ki gen non sa. Jan non sa te blayi adwat agòch nan koloni a fè nou wè ke li t ap grive.
Pa egzanp, nan dat 11 me  1785, anons pou nèg mawon sa te pale de yon fi kaptif ki te gen 2 non : Eugénie ak Fatime. Fi 20 tan sa, nanchon li te Meserad (Meseurade). Sa vle di li te soti nan Cape Mesurado (toupre Monrovia, kapital Liberya) :
Tradiksyon :
"Yon nègès to rele Eugenie & Fatime, Mezerad (Meseurade), make DE CLERVILLE, apeprè ven tan, ti wotè, epi po li nwa anpil, li te mawon depi 18 jou. Sa ka jwenn avè l, nou mande yo pou yo fè arete l epi voye l tounen bay Madanm Clairville, aktris nan Spektak Okap" (14)
Tradiksyon :
"Eugénie Fatmé, Meuserade, make DE CLERVILLE sou tete gòch li, li pwopriyete M. Regnaut, Mèt nan Mizik Okap, msye te achte l nan men vèv Madanm Clairville, pa Akt de rapò Mesye Maureau ak Asosye li, Notè. Sa ka jwenn avè l ava voye fè Regnault konnen, se pou li li ye. Ap gen de Pòtigè kòm rekonpans." (15)
Fò nou di ke zonn nan Liberya sa yo rele Cape Mesurado pa t islamik, li t ap swiv Tradisyon Zansèt la - menmsi te gen eksèpsyon ak kèk group Vai ak Kpelle ki rete toutotou, epi ki pale lang Mandinka (Mandeng). Kidonk, fi kaptif nanchon Mezerad sa ke yo te rele Eugénie, Fatime oswa Fatmé te fè pati de group sa yo.
Nou ka remake tou ke group sa yo rele Mezerad (Meuserade) nan Sendomeng la, menm jan toupatou nan Amerik franse a, te rele Kanga (Canga) tou. Kanga pa t vreman non yon nanchon nan peyi Liberya. Kanga vle di "esklav" nan lang Bawoule (Baoulé). Epitou, li te vle di "òfelen" "san granmoun". Koneksyon de 2 mo sa yo "esklav ak "òfelen" pèmèt nou jwenn orijin "Afriken" nan abitid sovaj la ke yo rele "Restavèk" an Ayiti. Kidonk, abitid kraze zo "Restavèk" la, se yon fòm de esklavaj-domestik sou timoun ki pèdi granmoun, ke Ayisyen erite de Zansèt yo.

Fatime, non yon fi Kongo (ki pa t mizilman)

La, nou genyen yon kaptif fi yo te bay non "Fatime". Fi sa te Kongo, yon nanchon ki te pi plis swa Tradisyonalis, swa nan kontak ak katolik :
Tradiksyon :
"Nan Pòtoprens, nan dat 30 mwa dènye a, Fatime, Kongo (Congo), san etanp, li gen mak peyi li sou de tete l, laj li 30 tan, wotè 5 pye, li di li se pwopriyete Mesye Macassée, nan Tigwav." (16)

Fatime, non yon fi Ibo (ki pa t mizilman)

Fwa sila, se yon Ibo, ki soti nan yon nanchon Tradisyonalis nan Sid Nijerya, ke yo te rele Fatime :
Tradiksyon :
"Nan Fòdofen (Fort-Dauphin) (...) Nan dat 18 la, Fatime, fi nanchon Ibo, 24 lane, make sou tete gòch li GRA epi lòt lèt yo pa lisib, li gen mak peyi li." (17)
Egzanp sa yo montre ke plizyè sòt de"Fatiman", "Fateman", "Fatime", "Fatmé", elatriye, t ap djayi nan koloni a. Ke seswa pou fi, konn pou gason, pou "Afriken" ke pou Kreyòl. Sa ki vle di ke non sila, nan koloni Sendomeng la, pa t tache ak zafè relijyon. Epi, li te gen ankò mwens arevwa ak islam. Menmsi kèk kaptif islamize te kapab gade non sa anmenm tan ak non kretyen ke kolon an te ka bay yo.


4- Orijin non "Fatiman" Cécile la

Kòm Cécile Fatiman te yon milatrès, pitit yon papa de Lakòs, revizyonis yo lage kò yo sou manman li, ki te soti "Lafrik", 'kòm yon siy ke Cécile te mizilman. Men, yo chire. Paske manman Cécile pa te rele Fatiman, men Célestina Coidavid, yon non ke yo te konnen nan Sendomeng. Kòm prèv, me yon "Eta de Sèvis Militè" pou yon sèten Jacques Coidavie, (yon mo toupre ak Coidavid), Msye te yon ansyen sèjan nan lamilis, ki te vin chèf brigad nan 2yèm rejiman twoup franse lib la. Li te fèt nan Sendomeng (Cap Français) nan 1737.



Sous : http://anom.archivesnationales.culture.gouv.fr/ark:/61561/up424souuuy

Papye Eta Sèvis Militè "Coidavie" la, sijere yon posibilite ke Célestina Coidavid, manman Cécile Fatiman, te kapab rete nan koloni a pi bonè ke moun te panse. Oswa omwen, li te kapab te soti nan yon zile Karayib tankou Matinik, Gwadloup, elatriye. Lè nou konsidere ke Cécile te sèl pitit Célestina Coidavid ki te gen non Fatiman an, lè sa, nou dwe vire nan direksyon bò patènèl li, pou orijin non li sa.


"Fatiman" ak fanmi Kòs

Pa gen anpil moun ki konnen ke Lakòs, ki abitye anba enfliyans pouvwa etranje, te gen, de 1736 a 1738, yon Wa pou yon ti bout tan. Si tout bon vre, Cécile Fatiman te pitit yon prens Kòs, alò, se sèlman nan fanmi wa sa li ka soti. Wa Kòs sa ki pa t fè anpil tant, li te rele Theodore-Stephan Neuhoff. Li te fèt ak tit Baron, epi li te, jan yo renmen di, yon fouyapòt Alman ki t ale nan Lakòs dèyè fòtin ak tout bèl pouvwa. Lakòs, Lè sa a, nan konfli ak Gèn (Itali), sou kiyès li de depann, te jwenn nan Theodore Neuhoff, chaje ak zam ansanm ak ide militè, kle pou endepandans li. E apre li te resevwa zam nan men Tinizi, Baron Theodore, dapre Manifès jenwaz sila, te fè yon antre triyonfal nan Lakòs, "abiye tankou yon Tirk" :
"Nou menm Doj, Gouvènè & Depite Repiblik Gèn, elatriye, elatriye.
Nou te aprann ke yon nonm popilè, abiye tankou yon Tirk, te debake nan Woyòm Kòs nou an, nan zonn Aleria, kote li t ale ak kèk Zak sou yon ti Batiman lagè ke kaptenn Angle Dick te kòmande..." (18)
  

Sous : Ernest d'Hervilly, (Dessin d'Henri Pille). Héros légendaires : Leur véritable histoire. Paris, 1889.

Menmsi l te abiye tankou moun Mwayenoryan, Baron Théodore te fidèl nan relijyon kretyen. Epi, se yon Wayòm Kòs Katolik ke l te vin Wa, nan dat 15 avril 1736, sou non wayal Théodore I :


Tradiksyon :
"KAPITILASYON WA THÉODORE

Nan non ak tout bèl pouvwa Sen Trinite a : Papa a, Pitit la ak Sentespri a: nan Imakile Konsepsyon Lavyèj Mari a, Pwotektè Wayòm sa, ansanm ak Sentdevòt, ki avoka Wayòm sila.

Jodiya, Dimanch 15 avril 1736. Wayòm Lakòs la te gen ki monte yon Asanble Jeneral legalman pou reponn demand Gwo Jeneral lagè Hiacinthe de Paoli ak Louis Giafferi nan zonn yo rele Alesani a, apre yon diskisyon long epi chaje ak matirite, ke Direktè Wayòm sa yo te fè yonn ak lòt, Pèp yo te deside ak deklare, menm jan yo te deside ak mete sou papye, ke yo te eli yon Wa, e ke y ap viv anba li', epi yo te resevwa, di byen fò ak aksepte pou Wa yo THÉODORE...
"
(19)
Akoz ke l te kenbe yon relasyon sere ak chèf mizilman, se pa enposib ke Theodore te ka rankontre moun ki te rele "Fatima".* Kidonk, Cécile Fatiman, ke yo di soti nan fanmi yon "Prens Kòs", kidonk nan fanmi Théodore, te ka resevwa  non sa ki sonnen mizilman an, an memwa kout pasaj Theodore sou fòtèy Wayal la, gras a sipò mizilman. Se sa ke nou te panse okòmansman. Men, se pa t sa.

Ekstrè ki pral swiv la, pwouve ke non Cécile Fatiman an pa t soti nan "Fatima" men pito, li soti nan "Attiman", non yonn nan kanmarad kretyen Theodore I
:
"Nous avons jugé à propos de les informer de la véritable qualité et condition de cet Homme, conformement aux preuves et témoignages authentiques que Nous en avons.
Il tire son Origine d'un Cantan de la Westphale, et se fait nommer le Baron Théodore de Neuhoff. (...) En Corse il se fait appeler Théodore.
(...)

Tradiksyon :
"Nou panse ke li bon pou nou enfòme yo de kalite ak kondisyon Nonm sa toutbonvre, an akò ak prèv ansanm ak bonjan temwayaj ke nou genyen sou li.
Li pran orijin li yon Kantan Westphale, epi li te fè yo rele l Baron Theodore de Neuhoff
. (...) Nan Lakòs yo rele l Théodore.

(...)
Apre sa, li te ale nan Tinis, kote li pratike Lamedsin epi li te fè plizyè konferans sekrè ak Chèf Enfidèl yo [mizilman]. Nan men yo, li te jwenn zam ak minisyon pou lagè, epi li t ale an Kòs, akonpaye ak Christoffaro, frè Doktè Buongiorni nan Tinis, twa Tirk, yonn nan yo te rele Mohammed, li te Esklav nan travofòse nan Toskan; de jenn Livounwa (ki soti nan vil Livourne, Livorno), Attiman ak Bondelli, ki te mawon kay granmoun yo, epi yon prèt nan Porto Ferraio ke Pè Misyonè Tinis yo te jije apwopriye pou yo te elwaye l pou bon rezon.
(...)
Fèt nan Palè Wayal nou nan dat 9 me 1736.
Guiseppe Maria." (20)

Enfòmasyon ki nan kominike Gèn an gen anpil valè. Akoz ke li fèk pèdi Lakòs ki te sou dominasyon li, Gèn te byen enfòme sou Théodore, ki se ledmi li. Menm jan tou li te enfòme l sou idantite konplis Théodore yo. Sena Gèn nan te pibliye kominike nan jounen 9 me 1736. E kominike a te  prezante, kòm kanmarad Théodore, kèk mizilman (yonn nan yo te rele Mohammed), kèk kretyen (te gen yon prèt katolik ladan l). Yon non "Attiman" te prezante tou. Èske msye te yon kretyen oswa yon mizilman? Non li antye di nou anpil sou kote l te soti, ansanm ak lafwa li. Non l te Gregorio Attiman :
Tradiksyon :
"Kantite ak diferans nan tip Moun ke Neuhoff te pran bò kote l nan espedisyon l an, te montre pouvwa pèsonalite l. Ti frè Dr Buongiorno a, Christoforo, te yonn nan yo. Te gen de jenn gason ki soti Leghorn [Livorno] yo te rele Gregorio Attiman ak Antonio Bondelli, ke kominike Gèn an te di te sove de lakay yo (lè sa , se te yon akizasyon grav), epi twa Tirk yo te rele Salla, Mohammed, ak Montecristo." (21)
Kidonk, jenn bway Gregorio Attiman te yon kretyen ki, tankou zanmi li Antonio Bondelli, te sèvi kòm yon "paj", kidonk kòm sèvitè pou Théodore. (22) Li te fèt nan Livorno (Leghorn), yon vil italyen, ki gen yon pò, anfas zile Lakòs :
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Livorno

An rezime, dosye Kòs yo montre ke Cécile pa t rele Fatiman toutbonvre. Olye de sa, non li te Cécile Attiman, an referans a Gregorio Attiman. Li byen posib ke non gran fanm sa te Cécile Attiman Coidavid, e ke "Attiman" te non nan mitan li, jan sa te mòd la nan tan li. Sanble ke "Attiman" te vin tounen "Fatiman" akoz de yon defòmasyon. E defòmasyon sa sanble te soti nan yonn nan twa kote sa yo : 1) nan fanmi Théodore, yonn nan yo te ka transmèt defòmasyon sa bay Célestina Coidavid, manman Cécile Fatiman ; 2) oubyen, nan fanmi Ayisyen Cécile, ki baze sou pawòl nan bouch pou konsève jeneyaloji li ; 3) oubyen, akoz ke pa gen okenn tèks ki te pale de "Fatiman" anvan 1954, defòmasyon an te ka soti nan move tande Étienne D. CHARLIER, lè l t ap pale ak Jeneral Rameau, ki fin vye granmoun e ki te ka mamote "Fatiman" olye de "Attiman" kòm non aryè granmè li ; Amwenke Charlier, antanke entelektyèl ayisyen, ki renmen panse yo konnen tout, pa t ka anpeche tèt li korije "Attiman" ke Rameau te di li, pa "Fatiman" ki te parèt fè plis sans.
 

Èske san wayal kòs la vre?

Annou analize anpil bout istwa, pou nou kapab jwenn verite sou swadizan san wayal Cécile Fatiman an :

A) Yon chimen ki fè sans, nou jwenn li nan Langletè, kote Théodore, ansyen Wa a, te mouri depòte nan 1756. De zan pita, nan 1758, Kolonèl Felice Frederick, ke yo te rele Neuhoff tou (1725-1796 / 97), te prezante tèt li kòm pitit deyò Théodore. Pi fò moun nan tan li te kwè nan li. Men, gen kèk istoryen ki pran l pou swa yon magouyè Polonè, oswa pou neve Théodore .
Sa ki pi enpòtan isit la, se ke Frederick te wè tèt li seryezman kòm yon Prens. Menm jan tou, li te gen yon pitit fi ki rele Elisabeth, ki te manman otè roman Emily Clarke (1778-1833). Yo te rekonèt otè sa piblikman kòm pitit pitit Kolonèl Frederick, pitit Théodore :


Tradiksyon :
 "Ianthé ; or the Flower of Caernarvon. Konsakre pou Samajeste Wayal, Prens Wales la. Pa Emily Clarke, pitit-pitit dèfen Kolonèl Frederick, ki te pitit Theodore, Wa Lakòs." (23)
Menm jan tou, Frederick te gen "yon pitit gason (ki te mouri, tou jenn, nan Lagè Ameriken an)" [1775-1783]. (24) E ti gason militè sa, ki te frè Elisabeth, kidonk tonton Emily Clarke, te kwè tèt li yon Prens Kòs. E li te ka antre nan relasyon ak Célestina Coidavid, manman Cécile Fatiman, nan Amerik. Sou pwen sa, dat yo mache ansanm :
  1. Baron Théodore-Stephan Neuhoff  te fèt nan 1690, li te Wa soti nan 1736 rive nan 1738, epi li te mouri nan 1756.
  2. Frederick Neuhoff, ki te rele tèt li pitit gason Théodore ak Prince, te fèt nan 1725, epi li te mouri nan 1796/1797.
  3. Konsa, a laj de 50 tan, Frederick te kapab granpapa nan 1775, ki se dat nesans Cécile Fatiman ; Sitou lè nou konnen ke pitit gason lejitim li te sòlda nan peyi Amerik nan alantou de 1775 ; e gen anpil chans ke li rive anvan dat sa.
Lavil Charleston, ki toupre Boston, sanble te plas kote granmoun Cécile Fatiman te rankontre. Paske yon tèks di ke, bo gason, jenn ak entelijan, pitit gason Frederick Neuhoff la te sèvi nan lame Jeneral Howe, ki te tèlman enpresyone de li, ke li te bay msye grad lyetnan :
"Li te entwodwi pa Sir John Dryden, Bart., ki te lè sa yon ofisye nan gad yo, bay Admiral T Sir John Borlase Warren, ki te byen aji anpil ak li, jouk li te menm achte yon komisyon pou li. Lè li te rive nan Amerik yon moun te remake li, se te Jeneral Howe, ki lè sa Kòmandan-an-chèf, msye se vin pran grad lyetnan men li te peri vit nan lagè a." (25)
Vreman vre, nan 17 mwa jen 1775, 19 nan Lyetnan Jeneral Howe yo te mouri pandan batay malatchong yo rele Bunker Hill la, nan Charleston. Non pitit gason Frederick la (ke li te fè ak yon dam donè Enperatris Alman Marie Thérèse, Lagrand) pa disponib, konsa, idantifikasyon l nan lis ofisye k te mouri yo vin pa posib. Sepandan, me lane 1775 la konekte batay Bunker Hill la ansanm ak dat nesans Cécile Fatiman ki pa t fèt nan koloni Sendomeng la.

AN) Anvan ke Lakòs te jwenn li anekse pa peyi Lafrans, se te Italyen ki te rele ladan l. Enben, me nou jwenn yon kantite ki pi wo ke nòmal de non ki sanble italyen nan fanmi Cécile Fatiman ; sa vin bay posibilite Kòs la yon ti bourad toupiti :
  • Célestina Coidavid (Manman Cécile Fatiman)
  1. Cécile Pierrot, fèt Fatiman (Attiman)
  2. Noele Coidavid, yo te plis rele l Prens Noele (Frè)
  3. Louisa Geneviève Pierrot, fèt Melgrin (Sè)
  4. Marie-Louisa Henry, fèt Coidavid-Melgrin, Rèn Marie-Louise (Sè)
  5. Jean-Bernadine Sprew, yo te plis rele l Prens Jean (Frè)

B) Lyen ak fanmi Way Kòs la, si li vre oswa ou pa, pa gen pyès enpòtans pou travay sa. Sa ki enpòtan se ke fanmi Frederick Neuhoff, menm jan ak fanmi Cécile Fatiman te pran li oserye. Yon konparezon nan stil rad ki parèt nan pòtrè Theodore, Wa Lakòs, ak nan pòtrè Henry, Wa Ayiti, pèmèt nou wè yon resanblans familyal ladan l. Nou wè resanblans sa kòm rezilta enfliyans Rèn Marie-Louisa Coidavid-Melgrin, ti sè Cécile Fatiman, sou Henry, mari Wayal li.

Annou gade jan Theodore I kanpe nan pòtrè a, etwal-flè a ki sou kè li, baton li kenbe a - san nou pa neglije "tèt de Mòr la" ki se yon senbolik pasaj mizilman nan Lakòs



Sous : André Le Glay. Théodore de Neuhoff, roi de Corse, Paris, 1907.

Nan pòtrè Henry a nou jwenn li kanpe menm jan ak Theodore I - espesyalman ak men k dèyè do a - epi nou jwenn yon menm jan de etwal-flè sou kè li,  ansanm ak yon baton. Menm penti a ki pa kache dèyè do yo ranfòse resanblans la :


Sous : Pòtre ofisyèl Wa Henry ke Richard Evans fè nan dat 1815.  

Resanblans nan rad de Wa yo, nan pozisyon men k dèyè do yo a, sijere enfliyans fanmi Coidavid la - ki te gen yon lyen ak yon Prens Kòs - sou Wa Ayisyen an. Nou ta ka fasilman wè resanblans la tankou yon koyensidans, si lòt prèv, tankou sa k ap vini la yo, pa t ajoute nan li.

CH) Apre Wayòm Henry a te tonbe nan 1820, Rèn nan ak de Prensès li yo, ki pa t pèdi lavi yo, te jwenn ekzil nan Angletè, kote abolisyonis Thomas Clarkson, yon gran korespondan defen Wa a, te fè tout aranjman pou pran swen yo. Sepandan, nan 14 septanm 1824, yo te chwazi al viv nan peyi Itali - olye de, nou panse, peyi Lakòs ki lè sa, te deja vin franse. E kòm Wayòm ayisyen an pa t sitire Lafrans, lafanmiy Henry a sètènman pa t ap byen akeyi an Frans :
"Christophe, sètènman, pa t kapab gen yon zanmi pi fidèl pase Clarkson oswa yonn ki plis dispoze pou ede epi bay, fanmi li ki te nan soufrans, konsèy. Dènye lèt an koleksyon sa, ki date 13 septanm 1824, te ekri pa twa Christophe yo, yon jounen anvan yo te pati pou Itali, epi li bay yon bon konklizyon de istwa Ayisyen sa yo." (26)
Anplis, apre lanmò Prensès li yo, yonn apre lòt, Rèn an, nan 1841, te mande Boyer, Prezidan Ayisyen nan tan sa, si l ka pèmèt "Madame Pierrot", sè l Louisa Geneviève (dezyèm madanm Jean-Louis Pierrot), pou te vin kenbe l konpayi nan peyi Itali :
 
Tradiksyon :
"Madame Christophe [Rèn nan], bò pati li, te enfòme l ke te rive san problèm, epi li  te di li ke akèy li te fè pou li a te fèt kè l kontan anpil.
Jeneral Vincent, Ki te Pari, te prese ale bò kote medam yo, li te bay yo yon dal atensyon zanmitay. Li te fè vit mennen yo nan Florence nan peyi Itali, kote yo te rete. De prensès yo te mouri yonn dèyè lòt ven lane apre yo te rive an Ewòp. Manman yo t al viv a Piz, kote li te mouri yon douzèn lane pita. Li te voye chache Madame Pierrot, sè l, apre lanmò de prensès li yo. Madame Christophe ak Madame Pierrot te soti nan fanmi Coidavid Okap la, ki te lib anvan revolisyon an.
"
(27)
Demann Rèn nan te aksepte, nou panse. Men, se jouk nan fen prezidans Jean-Louis Pierrot a nan 1846, ke en an pita, nan mwa desanm 1847, Madame Pierrot t al jwenn sè li an Itali, pandan ke Prezidan Pierrot te nan ekzil nan Jamayik. Se te Marie Louisa Geneviève Coidavid ki te ale nan peyi Itali. (28) Se pa t gran sè li Cécile Fatiman ki limenm te premye "Madame Pierrot". 
Kidonk, kat manb nan fanmi Coidavid la te viv an Itali. Angletè ta dwe yon kote pi lojik pou yo te chwazi te rete, sitou lè konnen ke Wa Henry, etan moun Lagrenad, te pale angle, epi profesè Ameriken te montre Prensès yo lang angle a. Men, dapre Beaubrun Ardouin, (29) tanperati imid peyi Angletè te deranje fanmi Wayal Ayisyen an. Antouka, relasyon fanmi sa ak Lakòs, kidonk ak Itali, te kapab jwe yon ròl nan chwa final yo te peyi sa pou yo rete. Li enpòtan tou pou nou presize ke Rèn an te antere an rityèl katolik, ki se yon konkennchenn prèv ke fanmi Coidavid ke Cécile Fatiman te fè pati de li a pa t mizilman :
"Marie-Louise de Ayiti te mouri nan frechè yon sware mwa mas 1851, nan chato italyen li. Rèn nan te tere nan yon ti chapèl kouvan Kapisen Piz yo, kote, jodiya toujou, l ap repoze bò kote pitit fi li, prensès Améthyste ak Athénaïs." (30)


5- Kijan Cécile Fatiman pa gen kontak ak islam

An 2009, Susan Buck-Morss, ki yon revizyonis renome, te deklare, san yo pa prèv, ke Cécile Fatiman te fèt epi te grandi kòm yon Mizilman :
"E si w te aprann ke Boukman, ki te fèt Jamayik kote yo pale angle, te rele Boukman -Bookman- paske li te konn li epi l te kapab li Liv la, men Liv sa pa t Bib la? E si enfòmasyon yo te montre ke Boukman, gwo nonm nwa a ki te pale pawòl djanm nan Bwa Kayiman an : "koute vwa libète ki pale nan kè nou tout." ki te enspire levekanpe kont mèt esklav yo, te fèt epi te grandi antanke Mizilman - menm jan ak ant 4 ak 14 pousan nan tout Afriken ki te travèse Atlantik la**: menm jan ak pretès la Fatiman -Fatima- ki te mennen swadizan seremoni Vodou nan Bwa Kayiman an: menm jan ak esklav Makandal la,*** rebèl mawon k vin anvan yo, li menm ke men l te koupe akoz de esklavaj la, epi li menm ke yo te akize nan tribinal kolonyal la de fè konplo pou anpwazonnen fanmi plantè Sendomeng yo nan lane 1750 yo, epi li te boule nan boukan dife devan tout moun (yon pinisyon  pou moun ki kont relijyon kretyen)?" (Trad.) (31)
Revizyonis sa, tankou anpil lòt, di anba chal ke Cécile Fatiman te fèt nan "Lafrik" kote li ta te gen kontak ak relijyon mizilman an. Se radotaj. Paske, si Jeneral Rameau te idantifye manman Cécile Fatiman, Célestina Coidavid, kòm yon moun ki te fèt nan "Lafrik", li pa t di menm bagay la pou pitit fi Célestina ki se Cécile Fatiman. E akoz ke Cécile te yon milatrès - kidonk pitit yon Nwa ak yon Blan - chans pou l ta fèt nan "Lafrik" fèb anpil ; Espesyalman paske li pa t fèt de yon vyòl sou bato negriye. Paske idantite papa l te di, byenke li vag, yo konnen l kanmenm, e yo menm te admire l. 
Jeneral Rameau te enfòme nou ke manman an te soti lòt bò dlo. Nou panse ke, lefèt ke li te yon "Afriken", pa garanti ke li rive sòti dirèkteman nan "Lafrik". Enfòmasyon yo fè konnen ke Célestina Coidavid te rete nan Amerik, tou pre Charleston, Massachusetts, kote li te rankontre papa Cécile Fatiman, ki vle di, "Prens Kòs la", Lyetnan an nan twoup Jeneral Howe la, pitit pitit Théodore a. 
Dapre Jeneral Rameau, Célestina Coidavid te rive ak Cécile Fatiman nan Sendomeng. Pou n rejte ipotèz ki di ke Cécile te gen kontak ak islam anvan li te rive nan Sendomeng la, nou te gade laj li lè l te rive a. Temwayaj Rameau a pa presize sa. Sepandan, jeneyaloji fanmi Coidavid a pèmèt nou tabli ak presizyon pita li posib pou Cécile Fatiman te rive nan Sendomeng. Pou n fè sa, nou te annik gade dat nesans lòt pitit Célestina Coidavid ki te fèt nan Sendomeng yo. Dat nesans sa yo plase Célestina nan koloni a nan plizyè moman ofisyèl. E se konsa nou kapab plase Cécile Fatiman nan koloni a nan menm da sa yo, paske li te rive ansanm ak manman li.
 
Célestina Coidavid (manman Cécile Fatiman, te fèt an "Afrik") te fè pitit ak :
  • + Prens Kòs (Pitit pitit Théodore Neuhoff???)
    1. Cécile Pierrot, fèt Fatiman (oubyen Attiman) - fèt an 1775, nan yon koloni ki pa Sendomeng, - mouri nan mwa janvye 1883 Okap Ayisyen - a laj 108 tan, pa 112 zan) ; Li te marye Louis Michel Pierrot,  ki te vin prezidan Ayiti
  • + Melgrin (Mèt otèl La Couronne nan Cap Français)
    1. Marie-Louisa Henry, fèt Coidavid-Melgrin, Majèste Larèn Marie-Louise Henry (sè) (8 me 1778, nan Wanament, Bitasyon Bredou, Sendomeng - 14 mas 1851, Piz, Itali) 
      Sous : Almanach Royal d'Hayti 1820. Sans-Soucy, 1820. p.1.
    2. Louisa Geneviève Pierrot, fèt Melgrin (sè) (dat nesans pa konnen): Te marye Louis Michel Pierrot tou, apre maryaj li ak Cécile Fatiman
  • + Sprew
    1.  Jean-Bernadine Sprew, yo te plis rele l Prens Jean (frè) (17 oktòb 1780 - 10 oktòb 1820)
  • + Non papa a, nou pa konnen l
    1. Noele Coidavid, yo te plis rele l Prens Noele (frè) (10 septanm 1784 - 25 dawou 1818)
      Sous : Almanach Royal d'Hayti 1816. Cap-Henry, 1816. p.1.
Sa tablo sa fè nou konprann, se ke te sèlman gen yon espas de 3 lane ant Cécile Fatiman (ki fèt nan 1775) ak ti sè li Marie-Louisa Coidavid-Melgrin, ki te vin Rèn an (ki fèt nan 1778). Espas nan laj la pèmèt nou konkli ke pita manman yo, Célestina Coidavid, te rive nan Sendomeng, sete nan lane 1777. Paske, se espas tan minimòm pou li te ka kontre Mesye Melgrin, mèt otè La Couronne nan Cap-Français a ; pou vin fè ke li te ka bay Rèn Marie-Louisa nesans nan mwa me 1778. Men, lè nou wè ke nou pa konnen dat nesans Louisa Geneviève Melgrin, lòt ti sè Cécile Fatiman a, nou rann nou kont ke manman yo, Célestina Coidavid, te kapab menm rive nan Sendomeng anvan 1777. Konsa, nou ka di ke Cécile Fatiman te debake nan Sendomeng anvan li te gen 3 zan. Kidonk, nivo islamik peyi li te fèt la pa gen okenn enpòtans, paske li te kite peyi sa lè l te tibebe. Kòm li gen mwens pase 3 zan, lè te rive nan Sendomeng, ti Cécile Fatiman te twò piti pou l te ka konprann ankenn koze relijyon. Se poutèt sa, nou sèlman bezwen egzamine konpòtman relijye frè l ak sè l ki te fèt epi ki te grandi nan Sendomeng, pou n detekte si fanmi Cécile Fatiman te mizilman ou pa.


Fanmi Coidavid a, Pouvwa, Kretyènte mele ak Tradisyon Zansèt

Rèn Marie-Louisa, ti sè Cécile Fatiman, te ofisyèlman katolik. Mari li, Wa Henry te gen yon ti lèy sou relijyon Anglikan - petèt yon tras de orijin karayib anglofòn li. Yon prèv byen nèt ke Rèn nan pa t mizilman, e prèv sa bon pou fanmi Coidavid li a, ki gen Cécile Fatiman ladan l, se legliz Sansousi a, ki te bati pou kourònman li nan dat 2 jen 1811, dirèkteman nan pye palè li.


Sous : Rodney Salnave, Milo, Sansousi, 1999.


Anplis de sa, Almanach Royal d'Hayti a (Almanak Wayal Hayti) te montre ke Wayom nan (1811-1820) te kenbe tout fèt Katolik yo :

Menm jan tou, yo kenbe tout pawas yo ansanm ak chak grenn fèt patwonal yo te genyen :
Epitou, gade nou pa jwenn okenn kote, okenn fèt ni kalandriye islamik.


Ka Jeneral Pierrot (ansyen mari Cécile Fatiman) & Tradisyon Zansèt la

Enplikasyon Jeneral Jean-Louis Michel Pierrot byen bonè nan lit pou libète a pral sèvi kòm prèv pou montre ke li enposib pou Revolisyon ayisyen ta va mizilman. Pierrot te fèt nan Lakildinò (Kanlwiz, si nou vle pi presi), yon zonn potomitan nan Revolisyon ayisyen an. Akoz prezans li nan zonn sa, li te abitye ak premye konplotè yo tankou Jean-François, Boukman, Jean-Jacques (des Manquets) ak Auguste. Epi, gen anpil chans, ke li te patisipe nan premye reyinyon revolisyonè yo, kote, nou panse, san prèv nan sans sa, ke li te kapab rankontre Cécile Fatiman ki te vin madanm li.  
Konnyè a, si Cécile Fatiman te yon mizilman, enfliyans li ta va - oswa enfliyans sè li Louisa-Geneviève, ki te marye Pierrot apre li - sètènman, rann atitid Pierrot agresif kont relijyon Zansèt la. Men, kòm prezidan, kontrèman ak Guerrier ki te vini anvan, ni Riché ki te swiv li, Pierrot te montre anpil lanmou pou relijyon Tradisyonèl la :
Tradiksyon :
"Bèbè nan tan Guerrier, radi nan tan Pierrot, rete sere nan tan Riché, chante lafrik yo ki kenbe tradisyon zansèt yo, te kale kò nètalkole depi Soulouque te pran pouvwa a, paske Soulouque se pitit vodou li ye, epi paròl li se chante sakreman vodou a." (32)
Nou p ap rete pròp sou lefèt ke Richer, siksesè Pierrot a, "te gwo lènmi an tout sèk sipèstisyon yo. Ak anpil gwo ponyèt, li te kouri dèyè moun ki te pratike seremoni ak dans "vodou" yo". (33) Ni nou p ap mize tou sou lefèt ke Soulouque, ki te vini apre Richer, te sèl Chèf leta Ayisyen ke yo tabli orijin Mandeng li. Men Soulouque te yon pratikan ouvè de Tradisyon Zansèt la, nan mitan palè Enperyal li menm. Prèv ke Mandeng yo pa te mizilman jan revizyonist yo renmen fè moun kwèi. Na fè yon pi gwo rale sou sa nan yon atik k ap vini sou Mandeng Ayisyen yo.

Anplis, nou ka eksplike tolerans Pierrot pou relijyon Zansèt li nan lefèt ke li te yon Houngan oswa yon gason ki gwo dirijan nan relijyon zantray la :
"Apre gwo houn'gan nan tan glwa nasyonal la : Boukman, Biassou, Makandal, Pierrot,  nonm popilè Antoine Lan Gommier a te vin parèt, men nan yon tan ki pi pre anpil de pa nou." (34)
Epitou, dapre Milo Rigaud, Pierrot pa t sèlman yon gwo Houngan, li se yonn nan moun ki te kenbe yon tradisyon "voudoo" òtodòks, kidonk, tradisyon Ginen ki gen pi bon kalite a :
"Kòm rezilta, don sinatirèl ke loa-zansèt yo te konn bay : inisye voudoo yo, te vin ra oswa pouvwa majik don sa yo vin diminye ; paske, ak tout fot sa yo kont tradisyon Ginen pa moun tankou Toussaint, Rose Rigaud, Antoine Lan Gommier, Pierrot, lespri yo fache epi, tikal pa tikal, yo tounen nan Lafrik, yo kite Ayisyen an demele l pou kont li. Se konsa, yon houn'gan oswa mam'bo pafwa pèdi pouvwa li, li tonbe malad epi, san sakrifis mare senti, li pap kapab soti nan tchouboum mistè yo lage l ladan l !" (35)
Se konsa, Pierrot, kòm Houngan, te sanble gen menm vokasyon espirityèl epi revolisyonè ak madanm li Cécile Fatiman, yon Manbo oswa yon fanm ki gwo dirijan nan relijyon zantray la. Apre sa, ekriti Milo Rigaud a gen yon dal enpòtans, akoz ke nan 1953 li te fè konnen ke Pierrot te yon Houngan. Liv Milo Rigaud sa te soti yon lane anvan ke tèks Étienne D. Charlier a (1954) te revele ke Cécile Fatiman te Manbo nan Bwa Kayiman an. Kidonk, yo pa ka di ke Milo Rigaud te asosye prezidan Pierrot ak "voudoo" akoz ke li te tande patisipasyon madanm li nan seremoni Bwa Kayiman an. Pa gen dout ke otè a pa t konnen patisipasyon Cécile Fatiman, lè li te ekri liv li a. San konte ke Milo Rigaud te ekri nan paj 60 ak 61 sou seremoni Bwa Kayiman an, san li pa t pale de Cécile Fatiman, premye madanm Louis-Michel Pierrot a. Milo Rigaud te sèlman site Manuel d'Histoire d'Haïti (J.C. Dorsainvil & F.l.C. P-A-P, 1934, p.78) ki te pale de yon granmoun fi ki te pretès nan seremoni an.


Gouvènman Nord Alexis ak Tradisyon Zansèt la

Pierre Nord Alexis, pitit pitit deyò Wa Henry, te prezidan Ayiti soti nan 1902 rive nan 1908. Li te marye Marie-Louise Amélie Celestina Pierrot, yo te bay ti non "Sese", pitit fi Cécile Fatiman ak Jean -Louis Michel Pierrot.+ Epi nan ka sa ankò, anyen nan gouvènman Nord Alexis a pa t montre ke li te renmen islam ; Okontrè, elijyon tradisyon Zansèt la te mache nan san msye :
"Nord Alexis te plis pase 80 zan lè li te pran pouvwa a. Vye granmoun sa te gen de bagay li te damou : tradisyon zansèt ak lakrent pou endepandans nasyonal la." (36)
Enterè l pou relijyon Zansèt la te tèlman gran ke yonn nan ledmi li yo te rele l "gran pap vodou a" :


Tradiksyon :
"Yo te konnen kontak plizyè prezidan ak tanp Vodou yo, te gen ladan l Nord Alexis (1902-8), ke Alcius Charmant te denonse kòm "grand pontife du vaudouisme ("Gran pap Vodou a,"..." (37)
Kidonk, nan preferans politik ak relijye plizyè jenerasyon lidè k te soti nan fanmi Cécile Fatiman an, nou jwenn ke anyen pa janm chanje lanmou yo pou Tradisyon Zansèt la, yon aksyon ki pa mache ak mizilman monoteyis, kidonk ki kwè nan yon sèl Bondje san yo pa tolere anyen lòt. Sese, pitit fi Cécile Fatiman, epi madanm Prezidan Nord Alexis, se yon gwo egzanp de sa.

Sese, Marie Louise Amélie Pierrot, pitit fi Cécile Fatiman an, ak Tradisyon Zansèt la

Madan Nord Alexis, Marie-Louise Amélie Célestina Pierrot, ke yo bay ti non Sese, tankou manman li Cécile Fatiman, yo te rekonèt li kòm yon Manbo, kidonk kòm yon gran diyitè nan relijyon tradisyonèl la. Nan rapò li te fè, diplomat franse an Ayiti sila, te pale de sa, nan moman ke Sese te vivan toujou :
"Yo te di ke li [Nord Alexis] te mari yon prètrès vodou ki gen anbisyon." (Trad.) (38)
Epi, 3 jou apre lanmò Sese a, jounal ayisyen Le Matin nan jounen 15 oktòb 1908 la, te souliye "sipò mistik" Sese te konn bay mari li Nord Alexis ke prezidans li te toujou menase :


Tradiksyon :
"Lanmò Sese ke yo venere a.
Yo te fè antèman manch long pou Madan Nord Alexis, nan jounen 12 oktòb la. Sese mouri, tonton Nord pèdi sipò mistik li. Fen an toupre." (39)
Stephen Bonsal, yon otè ameriken sipremasis blan, tou gaye lefèt ke Sese, Madan Nord Alexis te yon zotobre nan relijyon tradisyonèl la. (40) Jounalis degrenngòch New York Times sila te tou profite fè manti sou Repiblik Dayiti, sou relijyon tradisyonèl la, sou Sese ak Nord Alexis. Sepandan, manti rasis Stephen Bonsal yo, ki te baze sou sa li te admèt te teledjòl, yo te vin sèvi kòm baz pou okipasyon Ameriken an Ayiti nan lane 1915, (41) kidonk, 7 lane apre lanmò Sese.
Men, kèlkeswa sa k te pase, Marie Louise Amélie Pierrot, kidonk Madan Nord Alexis oswa Sese, li se yon imòtèl. Manbo sila, ki te yon premye dàm Ayiti enfliyan, yo te imòtalize talan divinò li nan fraz ki di "Sese te di..." a, ke nou jwenn nan anpil chante tradisyonèl ak fòlklorik.



6- Fi nan Revolisyon Ayisyen an

Nan lane 2000 la, revisyonis Jafrikayiti te mete dout ke Cécile Fatiman te Manbo, lè li te di anba chal ke manzè te yon Fanm-Imam oswa yon Fanm-Iman :
"Listwaryen yo rapòte kijan yon seremoni relijye te tanmen lapoula. Yon manbo ki te rele Cécile Fatiman, madanm Louis Michel Pierrot ki te gen pou li vin Prezidan Ayiti pi devan, t ap evolye. Abiye toudeblan, manbo Fatiman touye yon kochon epi li fè wonn lan bay chak Afriken bwè san an tou cho. Ak kominyon sa a tout nèg sèmante pou yo suiv lòd Boukmann epi revòlte pou lalibète.
(…)
Kit se te pawòl yon Oungan osnon yon Mizilman, koze Afriken sa a ta pral gen konsekans ektraòdinè pou noumenm ak ou, pitit Boukmann, pitit Makandal, pitit Fatiman.
Anvan nou rapousuiv, kite nou souliyen de kesyon enteresan osijè wòl potansyèl plizyè relijyon nan evènman istorik sa a:
1) Fatiman, se yon non ki popilè nan peyi Afriken Mizilman yo. Daprè sa Listwaryen Jean Fouchard rapòte: Cecile Fatiman, Manbo Bwa Kay Iman an te yon milatrès pitit yon nègès Afriken epi yon prens blan peyi «La Corse». Èske Fatiman te Voudouyizan epi Mizilman alafwa menmjan vin gen anpil Ayisyen ki Kretyen Katolik epi Vodounyizan alafwa? Nou pa konnen!
2) Nan zòn Bwa Kay Iman pa genyen e sanble pate janm te genyen bèt ki rele Kayiman an, kidonk sanble se pa la mo a sòti. Daprè kèk fouyapòt, non an sanble wè douvanjou apati prezans Boukmann osnon Fatiman nan zòn nan (Iman, nan relijyon Islam, relijyon Mizilman yo, se yon lidè relijye, kòmkwa yon Oungan/Manbo nan Vodoun). Kidonk Bwa Kay Iman ta ka vle di Bò kote Kay Imann lan ye a osnon Bwa Kay Imann." (42)
Kan revizyonis sa te chwazi chanje "Kayiman" an "Kay Iman", pandan ke li konnen byen pròp ke yon lidè espirityèl mizilman rele "iman" e pa "Iman", menm jan yo di "Islam" epi yo pa di "Islan" - nou di oke, si se pou nou. Kan revizyonis la pran libète voye pawòl anlè sou bèt sovaj ki te genyen an Sendomeng, san li pa t fè etid serye sou sijè a - se toujou oke pou nou. (Gade atik nou sou itilizasyon moun yo de "Bwa Kayiman" ak non pyebwa). Epitou, kan revizyonis la site Jean Fouchard nan yon fason pou fè kwè ke li rekonèt Cécile Fatiman kòm "manbo nan Bwa Kay Iman an (Kay nan Bwa kote Iman t ap viv)",  lè nou konsidere ke Fouchard++ pa janm te pale de Cécile Fatiman espesyalman, si se pa jis pou l te site tèks Charlier a ki pale de li - la ankò, sa oke pou nou. Men, kan Jafrikayiti fè sanblan li pa konnen ke nan islam mizojin (kidonk, ki rayi fanm), yon fanm pa kapab vin yon lidè espirityèl oswa yon Iman, sa depase limit sa yon moun ka aksepte. Gwosè manti sa ke entelektyèl ayisyen an bay pa gen parèy, pwiske si gen yon bagay ki pa negosye, se ke Revolisyon ayisyen an se yon Revolisyon fanm li ye. Paske, si se pa pou aksyon fanm Sendomeng (konnyèya fanm Ayisyen), Revolisyon sa pa t ap janm rive nan papòt konplo. Epi janmen, janmen, li pa t ap reyisi.E menm di anba chal ke yonn nan lidè Revolisyon sa ta ka mizilman se yon jouman pou milye fanm Sendomeng yo ki te pran risk sibi vyolans ak vanjans ki pi sovaj poutèt patisipasyon yo nan Revolisyon Nèg sila ; Pa Arab, pa Mizilman oswa Arab, Nèg. E depi yon moun pale de Nèg, li pale relijyon Zansèt la.

Epi relijyon Zansèt Ayisyen an se sitou yon relijyon fanm. Sèl relijyon kote fanm pale pou gason, paske nan sèvis yo, lè yo rele "fanm yo", gason ladan l. Men, kontrè a pa janm rive, paske yo pa janm rele "mesye yo", pou okenn okazyon. E fò nou pa mal konprann. Tradisyon sa ki te reyisi sèl grenn Revolisyon moun ki te anba kòd, li inik sou tè a. Pa gen nan "Lafrik" ni nan Amerik Nwa, ankenn relijyon kote fanm egalego ak gason, nan tout nivo. Se relijyon sa ki gen yon konpreyansyon ki ale pi lwen pase sèks, ki gen Cécile Fatiman kòm yonn nan li. Men, potorik fanm sa pa t inik. Li te sèlman yonn milye fanm revolisyonè ki te travay nan tout sèktè lit la ki te egziste.

A- Fanm mawon yo

Pou w wè Bwa Kayiman ak Revolisyon ayisyen tankou mizilman, baze sou jan non Cécile Fatiman sonnen, se panse ke li te sèlman fanm ki te gen enpòtans nan Revolisyon an. Sa te byen lwen de verite a. Cécile Fatiman te jis yon bout nan yon liyen byen long de gran dam revolisyonè. Mawonaj te premye zak, premye zam fann fwa nan rezistans la. E sou pwen sa, fanm pa t kanpe sou kote ap gade. Men jan ak gason, souvan yo riske tout sa yo te gen ak ye pou yo te ka sove lanfè esklavaj la, e konsa anpeche sistèm pete fyèl la jwi de travay yo.
Anons mawonaj sa yo montre yon ti zing nan laterè ki te lavi fanm kaptif yo, epi lavidal pinisyon yo te riske nan al mawon :


  • Kout fizi
Tradiksyon :
"Jeannette, kreyòl, make sou TUREL sou tete dwat li, laj li anviron 30 tan, li blese grav ak yon kout zam nan bra dwat, li di ke li pou Mesye Vaidiés, nou te arete l nan Grannrivyè." (43)
  • Kout manchè
Tradiksyon :
"Nan Pòdepè, nan dat 8 mwa sa, Vincent nanchon Ibo, make yon jan nou pa ka li CENAU, li gen mak peyi l sou figi li', epi plizyè mak kout manchèt sou kò li, li di li pou Mesye Cenau ; Apre sa, Marianne nanchon Mondong, san etanp, li gen yon mak kout manchèt sou yon zèpòl, li pa konnen kiyès ki mèt li." (44)
  •  Ponyèt koupe
Tradiksyon :
"OKAP, nan dat 28 mwa pase a, te antre nan prizon an yon Nègès Kreyòl, yo rele l Marie, li make IB sou tete dwat li & IP sou bò gòch la, li gen ponyèt gòch li koupe, li di li se pou Mesye Prats, nan Grannrivyè." (45)
  • Zòrèy koupe
Tradiksyon :
"Le 4, Marthe, yon kreyòl Sentestach, make ACAR sou tete dwat li, anwo PENTIER, zòrèy li koupe, li di li pou Mesye Carpentier, Kabotè." (46)
  • Mak kout frèt
Tradiksyon :
"Nan dat 22 a, yon nouvo nègès nanchon Kiyanmba, san etanp ki parèt, li gen mak peyi l sou figi li & sou vant li, yon mak boule sou machwè dwat li, do li chaje ak mak kout frèt, zòrèy li pèse, laj li anviron 20 tan, wotè li 4 pye 10 pous, li pa ka di non mèt li oswa lakay li." (47)
  • Kadejak sou ti fi
Tradiksyon :
"Kat nèg ak de nègès nouvo, Kongo, yo kouri mawon nan bitasyon Mesye Demon, ki rete Plezans, 13 pou rive 14 fevriye k pase la, yo make R. DEMONS, ki mèt yo, nan mitan yo gen yon nègès san mak, li kout, laj li apeprè 13-14 zan, tete l tonbe, li fè foskouch deja, li rele Marie, li pale yon ti kras franse ; dezyèm nègès la rele Félicité." (48)
  • Travay fann fwa
Tradiksyon :
"Yon nègès, nanchon Tiyanmba, yo rele l Brigitte, laj li anviron 13 a 14 zan, figi li lèd ak sal anpil, bouch li alonje, pye li gwo anpil, epi li pa kapab leve bra gòch li, li te-mawon depi 27 me dènye : nou sipoze li kapab nan Fòdofen [Fòlibète], oswa nan zonn nan. Moun rekonèt li, tanpri fèt yo arete li, epi voye di sa bay Mesye Jouenne, nan Rue du Cimetière, Okap : ap gen yon rekonpans." (49)
  • Maltretans
Tradiksyon :
"Pelagie, Sousou, li di pou Mesye Rousseau, ki rete nan Perches, li make yon fason nou pa ka li sou tete gòch li, li gen tete tonbe, dwèt men l yo koupe, epi de pye l defòme, li kouvri ak dat, nou te arete l nan Perches." (50)


AN- Pwazonè fanm yo

Lontan anvan Cécile Fatiman, te gen fanm pwazonè yo ki teworize koloni esklavajis Sendomeng la. Depi 1740 rive 1758, plizyè deseni anvan Bwa Kayiman, te egziste epòk Makandal ak Brijit (Brigitte) la. Chèf pwazonè Makandal te depi tan a tounen yon Jany oswa yon Lwa, pandan ke Brijit, madanm li, te tounen yon Jany oswa Lwa tou ke yo plis sèvi.

Grann Brijit, Jany oswa Lwa Lanmò

Brijit, pwazonè a, te tounen Grann Brijit, yon Jany, yon Lwa Gede, Lwa Lanmò. Kòm nou te di, li te madanm Makandal epi konplis li. Epi dapre rapò Jij Courtin ki te enteroje yo epi kondane yo pou yo brile, Brijit ak Makandal pa t mizilman pyès. Bondye yo te Chalo (Charlot), limenm tou yon Jany, yon Lwa Gede :
"Mercure [yonn nan konplis François Macandal yo] ak Brigitte, madanm François, te dakò ke yo te konn fè makandal yo [Gad Kò oswa proteksyon majik ki te pote non nonm ki te konn fè yo] ki te konn bouje sou tèt moun, yo te bay menm repons sou jan yo te konn fè l, yo te di ke mo majik yo te Bondye (...). Bondye sa, klèman se Charlot oswa Djab la, pa gen dout nan sa, jan nou pral wè pi devan."  (51)
Brijit, Makandal ak asosye li yo te konn fè yon majik ak mò pou Charlot (Ti Chalo nan Tradisyon modèn an). E majik sa te melanje ak katolik. Yon pratik ki kont sa islam aksèpte :
"Majisyen k ap resèt la, te annik vlope klou, zo ak fèy nan yon ranyon ak labou epi ak dlo beni, chandèl beni ak lansan beni. Yo di pawòl majik yo, pandan yo mare l byen mare, yo mete l tranpe nan dlo beni. Travay la fini la." (52)
E tankou yon gwo Lwa, lè li amfas tòti ak dife, Gramm Brijit, Gwo Lwa a pa t tresayi. Li kenbe tout diyite li :
"Brigitte ki te sanble pale kare nan dènye jou lavi li, te di ke Makandal la, lè yon sèvitè poze l kesyon, pale klè e nèt nan zòrèy li, dapre ti mo li,  Makandal la ka di ki kote yon nèg mawon ye, kiyès ki te vòlè yon bagay ke yon moun pèdi, kiyès ki pwazonè. ak anpil lot bagay.
(...)
Entèrogasyon Mercure ansanm ak Brigitte te fè n konnen toutbonvre tout mistè byen panse ke bòkò yo te fèt pou djab la. Brigitte ki te deja kondannen te pale san sere anyen." (53)
E kote Brijit te konn fèt sèvis majik-relijye li a te rele "La Caze à Diable" (Lakay a Djab la), sa ki pwouve etimolojikman fo, tèz revizyonis "Bwa Kay Iman" an, jan nou te montre l nan yon atik anvan. Paske nan Nò Sendomeng, kote seremoni Bwa Kayiman an te fèt, pou yo di yon Kay kote yon sipoze "Iman" ta va rete, yo t ap di : "Bwa La Caze à Iman" oswa "Bwa La Caye à Iman":
"Bòkò yo oswa swadizan bòkò yo selebre makandal yo ; te gen yon piti ak yon gwo. Kay kote sèvis la fèt rele "la caze à Diable" (La Caze a Djab la), epi seremoni an rele fè Djab, dapre sa nèg yo di. Sa pwouve ke itilize yo itilize bagay legliz katolik yo, ke yo derèspèkte, se pa paske yo sòt, men se pou yo fè yon sèvis relijye ki reyèl, jouk li rive kont relijyon kretyen." (54)
Anplis, anpil nan akolit Brigitte ak Macandal te konn ale legliz Katolik. Sa ki montre ke sèvis yo te menm jan ak relijyon ayisyen senkretik la (ki melanje Tradisyon Zansèt ak kèk bout katolik) ; yon pratik ki pap mache nan islam :
"Nègès Marianne nan, ki te konn resevwa pwazon ke Makandal konn voye pou li pa Brigitte, madanm li, kominyen chak 8 jou." (55)
Kidonk, plizyè deseni anvan seremoni Bwa Kayiman an ak levekanpe 1791 la, Tradisyon Zansèt la te deja rele rezistans kont esklavaj la chè mèt, chè mètrès. Islam ke yon ti ponyen kaptif te ka konnen, ke kolon yo pa t janm lonmen kòm pwoblèm, pa t janm kritike, pa t janm entèdi ak yon atik lwa, islam sa pa t janm te regle anyen nan Revolisyon ayisyen an. Relijyon monoteyis sa (kikonk ki kwè nan Bondje sèlman) pa t mache ak travay ak mò a ke Brijit ak Macandal t ap fè a. Li pa t mache ak rit mò Gede a, ni ak rit Petro-Lemba a kote yo di "Djab la" oswa "Djab yo" pou yo pale de kèk Jany oswa Lwa ki gen anpil fòs - nou dwe fè diferans ke "Djab" pa menm ak "Djab" kretyen an ki nan goumen ak Bondje, yon konsèp ki pa egziste nan Tradisyon Zansèt la.
Me yon ti zing nan fanm pwazonè ke yo te arete, tòtire, ak / oswa egzekite britalman poutèt lit yo te mennen kont kretyènte ki t ap degrade yo :
  • Kingué (yo rele Marie Catherine, nanchon Kongo)
  • Assam (nanchon Foula, men yon konpè li ki te lib - petèt yon Kreyòl - te pouse l al wè Jean, pwazonè a, ki gen yon Banmbara - Tradisyonalis - kòm gadyen ; ansanm ak kèk kliyan fi Tradisyonalis ki soti nan nanchon Nago ak Tiyanmba.)
  • Marie Jeanne (ki rete Okap, nanchon Tiyanmba, kidonk ki soti nan peyi Togo, te kliyan Jean, pwazonè a)
  • Madeleine (ki rete Okap, nanchon Nago, te gen kliyan Jean, pwazonè a)
  • Lisette (moun Fòdofen)
  • Henriette (te pwazonnen madanm Faveroles, yo te boule l touvivan)
  • Geneviève (from Port-Margot)
  • Marianne (te pwazonnen Laborte, pitit gason Vatin, yo te boule l touvivan)
  • Madeleine
  • Margot
  • Angélique
  • Agnès
  • Venus
  • Marie-Jeanne (te pwazonnen Chiron)
  • Nanon
  • Barbe (yon fi ke yo te libere nan bitasyon de Gallais)
  • Françoise (lib)
  • Charlotte (ki te rete nan bitasyon Gabriac, yo te depòte Senmalo)
  • Fanchette ak Jeanette (yo te boule l, epi antere l touvivan, paske yo te sispèk li te pwazonè)
  • Domestik Madanm Paparet a.
  • Domestik Madanm Lespès a (kondannen)
  • Mongoubert's waitress (kondannen)
  • Fanm deyò Rodet
  • Elatriye.
Ekstrè sa nan rapò S. Courtin a ba nou yon apèsi nan jan fanm pwazonè yo t ap mennen nan tan Makandal la ; ki te trant lane avan Bwa Kayiman :
"Li te prèske pwouve ke Mongoubert, manchann nan Okap, te pwazonnen pa nègès li (Nègès sa, ke yo depi lè sa te jije epi kondane), ke manmwazèl Lespes te pran nan menm bagay la nan men yonn nan pa li yo (yonn nan Nègès li yo te jije epi kondane). Li te pwouve ke Laborde, pitit gason Vatin a, kwafè, te pwazonnen pa Marianne, Jolicoeur ak Michel, paske li pa t vle kite yo fè jou repo yo nan kwizin Vatin a. Ke madanm Rodet a te pwazonnen pa yon nègès ak kiyès Rodet te rete, e ki t ap viv ak Jolicoeur. Jolicoeur te avwe ke l te eseye pwazonnen mèt li, Mesye Millet. Nou dekouvri yon dal zak grav, nan pwosè tout konplis sa yo. Nou te tande ka Nèg Mesye Pillat yo, konseye, responsab de pwazonnen li. Nègès yo rele Henriette la, ki pou madan Faveroles te akize epi sispèk anpil de pwazonnen mètrès li (li te jije epi kondane). Nou pa kapab wè bout tout yo kalite krim sa yo, ki te komèt nan zonn Okap la, men sètènman sa va vini, epi nou gen pou jwenn vre prèv de sa k touye plizyè Blan plizyè ak Nèg nan tout katye yo. (...) Nègès madan Paparet a, ak Nèg Mesye Delan ak Mesye le Prieur yo, te akize de menm krim nan." (56)
Lè tan Cécile Fatiman an rive, yo te vin pito fè lagè fizik pase pwazonnen, menmsi yo te toujou itilize zouti sa. E se pa etonan ke fanm yo te pran devan nan lit ak zam an ki te konplete ak majik relijyon Zansèt la. Men, kèlkeswa epòk la, rezistans fanm pa t janm chanje, lè rive nan akouchman ak fè timoun.
 

B- Rezistans fi nan fè timoun

Do rezistans fanm te laj anpil. Lè yo pa t pwazonnen blan yo, esklav blan yo ak tout bèt yo, oswa lè yo pa antre nan lame rèbèl la, yo fè espyon sou blan yo, yo transmèt enfòmasyon, manje, medikaman ak zam (pafwa kache anba jip yo) bay rebèl yo. Men sa te pi piti nan enpak aksyon yo. Kote rezistans yo te frennen devlòpman koloni an plis, se san klèman nan fòse yo te konn fòse pa fè pitit, yo bagay ke kolon yo pa t ka konprann :
"Avwe, Mesye, ou pa t reponn, te di m doktè a, lè l te entèwonp mwen, yonn nan bagay ki te toujou parèt pi rèd kont rejim esklavaj la, se fanm Nwa ki steril (kidonk yo pa ka fè pitit), epi gran kantite timoun yo ki mouri ti bebe ; de bagay ki rive akoz sèlman de travay yo ki trò di, ki anpeche yo fè timoun, epi ki seche lèt yo ; li wete nan tan ke yo te ka ap bay timoun yo swen yo merite.
Ke travay la tròp oswa ke li dire tròp tan, mwen reponn li, te pi piti nan bagay ki te ka lakòz Nègès esklav yo pa ka fè timoun : se kalite anviwònman an ki sitou rèsponsab sa. Nou pa wè domestik nan kay mèt la, ki chita ap koud, oswa k ao fè lòt ti travay dou, gen plis timoun pase nègès nan chan yo : domestik sa yo, detoutfason, pa ka fè travay ki pi di yo ; nan anpil ka, yo rezève yo pou gason Nwa." (57)
Avòtman, tankou touye tèt, te yon fòm de rezistans popilè anpil :
"Egzanp moun touye tèt yo pa ra nan Sendomeng, ou pito yo tèlman popilè, ke moun nwa nan kèk nanchon Afriken tèlman kwè, ke lè yo touye tèt yo, y ap retounen nan peyi yo te fèt la. Men, avòtman ak enfantisid (kidond touye timoun) pi popilè ankò nan mitan esklav yo. Pafwa, krim pran rasin nan krentif pou pwoblèm matènite, ak anvi lage kò yo san pwoblèm nan libètinaj ; men li gen pi souvan ak prèske toujou sous li nan kè plen ak rayisman ke ba yo yon mèt rayisab. Se pa sekrè ki manke nègès yo pou yo detwi nan nannan yo jèm matènite a : yo kapab pi fasilman trompe siveyans mèt yo, paske anpil nan mèt sa yo tèlman brital, ke yo wè tankou yon malè lè nègès yo ansent, epi kòm kont enterè yo, ti kras moman ke manman yo wete nan travay, pou itilize nan swen ti bebe yo." (58)


CH- Touye timoun kòm yon fòm rezistans fi kont esklavaj

Lè fi ki kaptif yo fè pitit, anpil nan yo pito touye ti bebe yo kòm yon mwayen pou, yon bò, diminye travayè ke kolon ta pral genyen, yon lòt bò, anpeche pitit yo vin sibi esklavaj. E souvan, fanmsay yo pa t kite chwa difisil sa nan men manman an, lè yo pran responsablite travay terib sa :
"Zabeth, kreyòl nan Pòdepè, ki gen 55 tan, make F. DUCONGÉ, epi anba PORT-DE-PAIX, li gen yon etanp nou pa ka li, ki sanble yon mak boule, li pa gen dan, li te mawon 10 janvye dènye ; Nègès sila te fanmsay bitasyon mèt li, e li te komèt plizyè krim, tankou lanmò trant tibebe ki fèk fèt, ke di te mouri ak malmouton. Onz Nèg oswa Nègès, ti gason ak fi fi Nwa, li te lakòz mouri anfle ak gonfleman, depi dènye mwa davril la, malgre tout tretman ak swen yo te bay yo, epi pi plis ankò nan lòt fwa, toujou pou menm maladi a, ke menm nègès la te lakòz. Nou sispèk ke nan bitasyon Mesye Merle père, nan Janrabèl, oswa nan bitasyon Boutellier, konnyeya Mesye Foache, kote li gen fanmi, oswa nan bitasyon defen Mesye Boissel. Moun ki gen nouvèl li, tanpri voye di Mesye F. Ducongé sa, nan Janrabèl, li se mèt fi sa, l ap bay kat Pòtigè kòm rekonpans." (59)
Yon moun kapab tou senpleman diferansye done demografik yo, pou l konprann enpak rezistans san pran souf fanm Nwa a : prèske yon milyon kaptif te debake nan Sendomeng nan apeprè 150 tan, men nan 1791 popilasyon Nwa a te sèlman anviron 450,000. Soti nan endepandans la (1804), rive 200 zan pita (2004), menm popilasyon sa te grandi apati de 300,000 pou l rive plis pase 10 milyon. Sa ki pwouve ke nan tan koloni a, nesans yo te toufe pou deranje sistèm esklavaj la.


Yon Arada fanmsay ak liberatè

Kidonk, pou tèz islamik la ta kredib, yon moun ta dwe pwouve ke tout fanm revolisyonè sa yo te Mizilman. Espesyalman fanm pwazonè Arada nan plantasyon Rossignol-Desdunes la, ki te ba tèt li responsablite retire tibebe ki fèk fèt anba malè esklavaj pa lanmò. Li te bay pwòp lanmò li ak boukan dife gabèl pou l te ka retounen, apre lanmò, nan Ginen ("Lafrik"), peyi l, ki pa t Lamèk, kay Arab mizilman yo :
"Yon nègès Arada, fanmsay nan menm bitasyon [Rossignol-Desdunes] la, nou te sispèk li tou de menm bagay la, yo te mennen l nan menm tribinal la, kote li te avwe pandan l ap ri, ke li pa te gen okenn pi gwo plezi pase detwi ras imen an, espesyalman sila ki te gen pou vin esklav ; li te vin, nan fason sa, liberatè malere sa yo ke dwe pwoteje egzistans yo. Jije epi kondane pa pwòp admisyon li, nègès sa te kondane menm jan ak premye akize a. Pandan li t ap mache nan direksyon boukan dife ki pral kangannen l la, li te sanble repanti, li pran mache tou dousman, an tèt li bese, lè toudenkou, nan yon kout raj ak dezespwa, li chire sentiron ki te kenbe chemiz li a : "Gade, li te di, si mwen merite sò mwen an ; swasanndis ne sa yo ki plen sentiron sa, yo reprezante kantite timoun mwen touye ak pwòp men mwen, swa ak pwazon oswa pa yon fason mabyal ke m te bay tèt mwen yon devwa pou m te retire tilezanj sa yo nan yon lesklavaj malè.
Travay fanmsay mwen an te ba m opòtinite pou m te gen tibebe ki fenk fèt nan men m, depi m te kenbe yonn nan viktim sa yo, pa krent ke l chape m, mwen te plonje yon zegiy imedyatman yon sèvo li, pa kontèn li ; kon sa, li gen malmouton ki touye tèlman moun nan koloni sa, enben, me nou konnen lakòz li kounye la. M ap mouri ak kè kontan kounye la ke m pa gen anyen lòt pou m konfese, epi m pral rejwenn nan peyi m, tout sa m te kite." Apre pawòl sa yo, li jete kò li ak konviksyon nan flanm dife rouj la, kote li te vit tounen sann, nan rele ak doulè terib." (60)


Rezistans manman Anmin an

Egzanp sila ranfòse agiman nou an ki wè vizyon tradisyonalis yo de lavi apre lanmò, oswa retounen nan Ginen (kidonk "Lafrik"), peyi zansèt yo, tankou motivasyon rezistans kaptif (esklav) yo. N ap pale la de yon fi kaptif (esklav) ki soti nan etni tradisyonalis Anmin an (kidonk Achanti oswa Akan, ki soti nan peyi Gana, Kotdivwa oswa Togo). Fi tradisyonalis Anmin sila, ki manman de pitit, olye li te aksepte vin nan kaptivite derèspèktan, li te pito nwaye tèt li ansanm ak de timoun li yo, ke li te mare nan senti li :
"Nèg Anmin ak Ibo yo kwè nan métempsycose [metanpsikoz] (…) Vreman vre, Anmin ak Ibo yo, lè yo rive nan Sendomeng, oswa nan nenpòt ki lòt zile, kote sò yo se pou yo vin esklav epi pou yo wouze tè a ak lasyè yo, yo kwè ke yo ka chape move tretman mèt yo, ki souvan enjis ak mechan, lè yo bay tèt yo lanmò. Yo te nwaye tèt yo an gwoup, oswa yonn te pann lòt anfil, kòm yo te byen konvenki ke apre lanmò, yo pral transpòte nan peyi yo, kote yo pral rejwenn ran yon, richès yo, fanmi ak zanmi yo ke move sò lagè te rape nan men yo.
Nou te genyen sou mwen bitasyon kote mwen rete a, yon nègès Anmin ke yo te vann ak de pitit li. Apèn li te debake, san li pa t jwenn move tretman nan men mesye Desdunes yo, ki aji ak esklav yo, tankou bon papa aji ak pitit yo, yo te wè li fè wout kwochi travay li, nan direksyon bò larivyè Lestè a, kote li rete dridri pou l mezire nan gade, pwofondè larivyè dlo klè sila, epi li pouse kèk soupi pandan li leve zye l nan syèl la, epi li frape lestomak li. (…) Yon maten, yo te jwenn fanm sa a nwaye ansanm ak de pitit li yo ke li te tache nan senti li, pou l te ka wete yo, nan jès sila, anba esklavaj." (Trad.) (61)
E jouk jounen jodiya, pa gen okenn temwayaj nan koloni Sendomeng la, ki janm pale de kaptif (esklav) mizilman ki ta swete ale, gras a lanmò, nan paradi mizilman an. Okontrè, tout temwayaj sa yo gen rapò sèlman ak tradisyonalis yo.

D- Manbo ak initye mati yo

Revizyonis yo te eseye fèt dappiyan sou Manbo Cécile Fatiman, sepandan, yo pa konnen, oswa yo pa okipe anpil pasaj istorik ki pale de fanm vanyan ki te dirije relijyon Zansèt la (sa yo rele swadizan "vodou" a) nan rezistans la. Kòm nou pa tankou revizyonist sa yo, k ap fè yon dal sipozisyon, k ap batize mizilman nenpòt moun yo vle, san yo pa janm prezante prèv dirèk, nou menm, n ap ofri isit la prèv klè ki sòti nan temwayaj sòlda franse ki te kouri dèyè rebèl yo ansanm ak Manbo yo, granmètrès sa yo, Rèn sa yo, ki te nan mitan lit la. Manbo sa yo, souvan te sèvi kòm mati (kidonk yo te bay vi yo), pou ke nan lanmò yo, ki anpil fwa terib, lit la ka grandi san rete, jouk viktwa final la, 12 lane pita.

Manbo Kreyòl  nan Fonparizyen an (Plèndekildesak)

Nou te nan mwa fevriye 1792, apèn 6 mwa apre seremoni Bwa Kayiman an, nan yon kan rebèl ki sitiye nan Fonparizyen, nan Lwès Sendomeng, ke blan yo te atake, menmsi l te pwoteje ak resèt majik ki te sèlman reta sòlda franse yo :

Tradiksyon :
"An fevriye 1792, nou t ap mache pou atake yon kan nèg ki te nan Fonparizyen, nan plèn Kildesak la.
Lame a te gen ant de mil enfantri (sòlda apye) a kat san dragon kolonyal (sòlda sou chwal). Mwen te toujou devan, e se Mesye lekont de Boutillier ki te chwazi m pou jan de misyon sa yo. Pandan nou apwoche kan an, nou t manke sezi wè arebò wout la, gwo poto plante nan tè a, ki gen yon dal bèt mouri tache sou yo, plase plizyè jan. Sou kèk, te gen zwazo krabye ; sou lòt, poul blan, sou lòt ankò poul nwa. Nan wout la te gen bout zwazo, jete nan yon distans yonn de lòt, epi k te antoure pa wòch byen ranje ; finalman, te gen wit ze kase, epi ki te antoure ak gran sèk an zigzag. Sa te fè nou ri anpil.

Malgre tout ilizyon sa yo, mwen pouse douvan ak senkant dragon. Apre yon kadè mache, mwen te apèsi kan an ki te kouvri ak ajoupa, ranje tankou tant twoup lame. Se pa ti sezizman nou, lè nou te wè tout nwa sa yo ki t ap sote, ak plis pase de san nègès ki t ap danse ak chante an sekirite! Nou kouri ak vitès sou kan an ; dans la te prèske bout ; nèg yo kouri met deyò." (62)
Malpalan yo renmen itilize egzanp sa pou yo di ke relijyon zansèt la pa t gen yon enpak sou Revolisyon an. Yo fè sanblan yo pa konnen ke pa gen okenn lagè, ke li yon gè sen ou pa, ki fèt san lanmò moun enpòtan. Yo renmen neglije swit istwa sa ki montre ke rebèl yo te kenbe yo, se te sitou fanm ki te chwazi pa kouri, paske yo te gen kouraj ke Fòs espirityèl ak majik zansèt la te ba yo. E nou konnen ke yon lame ki pa pè, se yon lame emvisib. Men, sa te sèlman yon sèl bout nan koze a. Manbo ki t ap mennen dans sa te chwazi pa kouri, menm lè l te konnen ke yon lanmò grav t ap tann li. Ak kouraj, li te ofri tèt li kòm yon mati, paske l te gen konprann ke sa te desizyon taktik Lwa a :


Tradiksyon :
"Lè m te retounen, dragon ki te rete yo ak enfantri a te kouri dèyè nègès yo ; nou te fè de san fi prizonye, e yo pa t fè yo anyen. Gran pretès Vodou a pa t kouri ; li te arete ; olye yo te koute l, pou pran enfòmasyon sou plan l, yo te filange l ak kout epe. Se te yon trè bèl nègès, byen abiye. Si m pa nan pouswiv nwa yo, mwen pa t ap kite yo masakre l, san omwen yo pa t pran enfòmasyon sou plan li yo.
Mwen te kesyonnen plizyè n
ègès an patikilye ; mwen te rankontre kèk nan yo sou bitasyon Gouraud an, nan Fonparizyen, ki te konnen m ; yo pa t ka rive konprann ki jan nou te ka rive pase apre obstak yo ke gran mètrès Vodou a te mete nan rout nou. Se asirans ke nègès sa te ba yo a, ki te fè yo te tèlman gen konfyans pou yo te rete danse.
Kòm mwen te rete yon ti tan sou ti mòn pou m te egzamine majik yo, yo te panse ke nou te kole pa majik la
.
Pretès sa te yon bèl n
ègès kreyòl, nan bitasyon Boynes la, mwen kwè, e li te menm yon bon kaptif." (63)

Manbo Arada nan mòn Sent Sizan yo

Nan 1796 (ane 4) yon lòt Manbo rezistan te klèman idantifye kòm "Arrada" nan orijin li, kidonk, li te soti nan ansyen Wayòm Dawonen an (peyi Benen), kote yo pratike "Vodou" (Vodun), rit Zansèt Manbo sila :

Tradiksyon :
"Nan lane 4, nou te kenbe nan mòn Sent Sizan yon nègès Arada. Li te nan Vodou. Nou te mennen fanm sila Okap ; yo te kesyone l ; men li te pale ke yon ti kras kreyòl. Jij nwa Télémaque+++ te jije, epi te kondwi li sou grandplas la nan mitan yon foul moun tout koulè. Nèg ak nègès yo pa t pè di ke nou pa t ka gen okenn pouvwa sou li.
Télémaque te fè yon gwo diskou, kote li pa t ezite fè konnen ke li te wont dèske li te nwa, lè l wè frè l yo si tèlman egare. "Cheve n
ègès sa, li te di, ki si byen frize, si byen kouvri ak mastik e ak gonm, ke nou kwè ba l pwisans, yo pral tonbe."Apre sa, li te voye kèk mo ba l majisyèn nan, ki, tankou "Pythie"[yon pretrès Grèk], yo te mete l devan yon boukan dife e sou yon ti estrad ; men li te tris ak anpil sanfwa. Setalò, jij la te bay bouro nèg la lòd koupe cheve l', ki te tonbe anba kout sizo, sa ki te fè tout espektatè egare yo sezi. Se pa ti kras etone yo pa t etone, lè yo cheve sakre sa yo boule nan dife ke yo te jete yo ladan. Yo te tounen fi sa nan prizon ; epi, kèk jou apre sa, yo te lage sou yon bitatsyon, nan men kèk nwa ki te pase l nan betiz." (64)
Gran pretrès Arada sa te pran imilyasyon poutèt eritaj "Vaudou" li ak rezistans ke zam espirityèl sa t ap fèt bay sistèm esklavajis la. Fanm vanyan sa te genyen viktwa a alafen, tankou plizyè milye de lòt Manbo ak Hounsi ki te mati :
"Lè lannwit lan te sèvi kòm yon vwal pou atak sa yo (egzekisyon tchak Nwa yo nan men Franse yo), moun ki t ap mache sou bòdmè a te ka tande bri k ap repete de kadav y ap jete nan lanmè a.
Pami viktim sa yo, nou te wè plizyè manbo, ki te konn adore fetich yo ki soti Lafrik : venerasyon yo pou bondye peyi yo, sa te pini ak lanmò. Yon jeneral te di m ke, li te touche ak konpasyon lè l wè ke yo ta pral touye yonn nan Afriken relijye sa yo, li te mande yo fè l gras. Men Rochambeau [kidonk sa te pase nan fen lagè a], pran nan men li zidòl relijyon sa, epi li d i: "Kouman w vle m ke ka sove lavi li?" (Trad.) (65)
Paske, sèvis pou Vodun yo ap kontinye, jouk jounen jodi a, nan yon peyi libere.

E- Sòlda fi nan premye tan yo

Efò Revolisyon an te simaye nan tout sans. E medam Sendomeng yo te itilize tout sa yo te gen nan men yo, pou yo te goumen kont sovajri Loksidan kretyen. Pran zam fizikman, te sèlman yonn nan plizyè mwayen fanm vanyan sa yo te itilize. Men, lè nou pran pale te sòlda fi nan istwa Ayiti, nou dwe touswit avèti kont manti ak egzajerasyon feminis Ayisyen yo. Paske, anba loup lasyans istorik, yo se menm plim, menm plimay, ak revizyonis mizilman yo ki pa respekte anyen ; pa menm limit ke laverite enpoze nou tout. Se nan sans sa ke entelektyèl Marlene L. Daut la te bay manti lè li te deklare ke Cécile Fatiman te yon sòlda fi :
"Nan lòt revolisyonè fi, te gen Cécile Fatiman, ki te ede nan seremoni Bwa Kayiman an epi sanble ke li te dirije yon batayon nan  kokennchenn batay Vètyè la (Madiou 3:47)." (66)
Klèman, Daut te pran tèks Charlier a, ki te konfime ke Jeneral Jean-Louis Pierrot - pa madanm li nan tan sa - te dirije yon batayon nan batay Vètyè a. Epi, paske se sèlman entèlektyèl Ayisyen ki ka pèmèt yo di oubyen ekri sa yo pi pito, Marlene Daut, pa t pè mete manti li a sou do Madiou ki pa t janm lonmen non Cécile Fatiman. Devan yon si gwo manti rapyese, yon moun mande kisa ki si rabesan ladan l, pou yon moun pa ka admèt ke Cécile Fatiman pa t yon sòlda-fi? Epi ki jan, paske li pa t goumen ak zam (fizikman), retire nan enpòtans eritaj revolisyonè li?

Depi yon moun pa parese, l ap sèlman bezwen al louvri kèk paj achiv pou l reyalize ke fi Sendomeng / Ayisyen an pa gen okenn bezwen pou zèv li egzajere nan magouy. Paske temwayaj kolon yo pale anpil de patisipasyon fanm yo nan lagè a. Depi kòmansman levekanpe jeneral la, fanm yo te nan tèt ploton rebèl yo, epi aksyon yo te mache dans espirityèl ansanm ak majik tradisyonèl yo rele Wanga (Ouanga) :


Tradiksyon :
"Nou ta kontan konnen jan yo fè lagè. Atak yo te gen yon bagay nan li ki fè moun pè anpil, jis jan aliyen ak jan yo kòmanse atak la. Yo pa janm kole sere, ni kanpe kote yo pran kou ; mil nwa pap menm kanpe devan san blan nan yon teren plat : yo avanse dabò ak yon bri terib, e devan yo gen yon gwo kantite fanm ak timoun, k ap chante epi k ap rele byen fò nan yon koral. Lè yo toupre lènmi an, men pa se pre pou lènmi a frape yo, yo te fè yon silans nètalkole ; yo ranje twoup yo a nan plizyè ploton nan zonn ki gen pyebwa, konsa yo parèt sis fwa pi plis pase sa yo ye toutbonvre. Yon nonm ki fèb, ki deja entimide pa kantite lènmi sa parèt ye a, ap vin pi kraponnen pa grimas yo, simagri yo, ak èfò nwa a mete nan ansèkle lènmi l yo otan ke l kapab, kòmsi li chache kraze lakay li tout espwa pou fè bak. Pandan demach sa yo t ap fèt nan mitan yon kòkennchen silans, sèl majisyen yo ou tande chante pandan y ap danse ak gouyad dyabolik ; y ap fè majik (Ouanga) pou asire siksè atak la, epi anpil fwa, majisyen yo avanse jouk kote yo ka touche yo, ak konfyans ke kou lènmi an pa ka fè yo anyen, pou yo konvenk nwa yo de pouvwa gad yo. Atak la vin kòmanse ak bri ansanm ak rèl ki ka fè sèlman gason fèb pè." (67)
Me yon ti istwa ki montre enpak kwayans nan "Ouanga" sou jan rebèl yo kanpe djanm nan defye lanmò. Istwa sa te pase nan Grannrivyèdinò, kote Mazères, otè a, te rete :

Tradiksyon :
"Louis, chasè, nan katye Grannrivyè a, te maton nan tire fizi ; yon nèg ki soti nan kòt la, plen ak lafwa nan yon gad kò li te achte, te di l yon jou, devan pechè sila, "Ou bon anpil, ou pa janm manke kout fizi w ; men mwen gen yon ouanga (wanga), epi mwen defye w rive atenn mwen a ven pa." Louis aksepte defi a: malere a mare ren li ak yon po lapen, epi li tann san okenn krent bal la ki blayi l rèd mò devan papòt bitasyon kote sa te pase a." (68)
Deskripsyon sa yo pa kite okenn dout, ke taktik lagè premye revolisyonè Ayisyen yo te soti sèlman nan eritaj tradisyonèl "Afriken" yo. Tèks la pale de a) fanm - ak timoun - ki t ap chante ak rele devan twoup militè rebèl yo ; an) majisyen ki t ap fè "ouanga" oswa wanga, ki se yon mo Bantou (kikongo, Chilouba, elatriye.) - e ki pa t Mandeng, mizilman, ni arab ; kidonk, b) taktik lagè a (ki se pwoche lènmi a nan fè gwo nèg epi rale kò w ak krentif), se konsa Bantou yo te konn fè lagè jouk rive Chaka Zoulou (nan kòmansman19yèm syèk kretyen) ki te rann fòm lagè pa efikas sa demode, nan pati Sid kontinan "Afriken" an.

È- Fi-sòlda/Manbo nan epok nan mitan yo

Pandan tout Revolisyon ayisyen an, te gen fi tradisyonalis ki t ap goumen nan lame rebèl la. Egzanp sa yo, ke anpil moun pa konnen, pral pwouve li.

Marie-Jeanne de Nippes

Nan kòmansman lane 1793, eskonbrit te pete pa bò isit, pa bò lòt bò, nan pwovens Lwès la. Menm jan aktè yo te diferan yon ak lòt (Bann moun nwa ak zam, milat lib, blan ki geran plantasyon, propriyetè, otorite koloni a, otorite nan zonn an, elatriye.) konsa alyans yo te konn fè te frajil. Denyè nan "chire pit" yo te rive nan dat 3 fevriye. Li te gen ladan l "3 oswa 400 esklav ak flèch epi fizichas" kont baz militè "nan Santo kote 30 nan yo te kaba". (Trad) (69) De jou apre, akizasyon gen zak te tonbe sou do kaptif sou bitasyon Fleuriau (Fleryo) ki chita Laplèn (toupre Pòtoprens). Granmmaten nan 15 fevriye, twoup te fouye kay kaptif yo. Apre yo jwenn 10 fizi, "yo pann 5 nèg epi yo wouchinen yon nègès di". (Trad.) (70) Enben, nègès sila yo te kale a, li te :
"Marie-Jeanne de Nippes, yon kreyòl ki gen 30 an, ki dapre Leremboure "te aji tankou li te jwenn enspirasyon nan syèl la", kidonk, anreyalite, li ta dwe yon pretès vodou." (Trad.) (71)
Sa vle di, yo te konsidere Manbo Marie-Jeanne de Nippes tankou yonn nan moun ak zam ki t ap mare konplo a. Epi, yo te ba l pinisyon akozde inspirasyon relijye "vodou" li te konn bay konplis li yo. 2 jou pita, li te mawon ansanm ak 15 lòt kaptif, yonn nan yo te frè li. Sepandan, yo te fè kòmandè bitasyon an al chache yo, epi li te konvenk pi fò nan yo tounen. 


Madan Paget (Pajè) yo bay tinon "Lavyèj"

1794 te yon lane esansyèl pou Revolisyon ayisyen an. Sa te lane separasyon ant Jean-François Papillon, chèf siprèm an, ak Tousen Louvèti.  Jean-François te rete fidèl a peyi Lespay nan lagè li t ap mennen kont Lafrans, pandan Tousen te deside trayi Lespay pou l t al rejwenn Lafrans ki te fèk sòt aboli esklavaj. Lane 1794 sa te fè pale tou akòz de Franse yo Jean-François te masak nan Fort Dauphin nan mwa Jiyè. Epi, nan mitan lame Jean-François a, te gen Manbo Madan Paget yo te bay tinon "Lavyèj". Fanm vanyan sila te goumen ak kouraj ansanm ak fòs, lè li te touye twa Franse, kidonk 3 fwa plis pase mwayèn 800 sòlda gason yo ki te lakòz 787 viktim :
"Yon manbo, Madan Paget, yo rele "Lavyèj", te abiye ak rad gason lè li te patisipe nan masak nan Fort Dauphin an jiyè 1791, kote li te touye twa nan 790 blan ki te viktim yo." (72)
Le fè ke Manbo Madan Paget te mete rad gason pou l te goumen - petèt se yon fason pou l pa t jennen nan mouvman li - fè nou sonje yon ajisman ki sanble sa, ki te rive prèske 2 syèk anvan. Nzinga Mbande, yon Rèn Lagè nan Wayòm Matanmba nan peyi Angola, te konn abiye ak rad gason, lè li konn sakrifye prizonye (oswa esklav) ak pròp men li, anvan l nan lagè :
"Anvan li te anbake nan yon ekspedisyon lagè [Larèn Nzinga] te konn sakrifye moun pou Lwa li, pou l ka gen laviktwa. Pou li selebre fèt grav sa, li te abiye ak bèl rad gason nan fason li." (73)
(Larèn Nzinga oswa Xinga ki abiye tankou gason)
Sous : Olfert Dapper. Description De L'Afrique... Amsterdam, 1686. p.369.


EN- Sòlda fi nan dènye tan yo

Estrateji ak taktik lagè rebèl yo te pwogrese anpil depi levekanpe 1791 la. Men, malgre plis pase yon deseni nan goumen, prezans fanm nan mitan rebèl yo pa janm diminye. Plas total kapital fanm nan yon lame rebèl la pa t abitid ni Loksidan,  ni Arab-mizilman yo. Sa pwouve ke se enfliyans "Lafrik Ginen" ki t ap mennen aktivite militè sa. Pami fi sòlda ki pi fete yo, nou ka bay egzanp sa  yo :


Suzanne Bélair yo te rele Sanite




Suzanne Bélair, ki te gen ti non Sanite, te yon sòlda fanm ki te rete brav menm lè li te anfas lanmò. Limenm ki, yon 5 oktòb 1802, te anfas yon ploton lanmò, ansanm ak mari l Charles Belair, kòmandan 7yèm Brigad Lame Revolisyonè a. Lè mari li te pran tranble kou fèy bwa, Suzanne Bélair, brav la, te poze. Menmsi li pa t pè lanmò, Suzanne te refize, sepandan, ke yo koupe tèt li, e li te fòse bouro a tire l pito, paske sa te yon sò ki te rezève pou sòlda, e Charles, mari l, te gen dwa a lanmò diy sa :
"Nan lapremidi 13 Vendémiaire a (5 oktòb) to te kondi Charles Belair, ansanm ak madanm li, nan mitan de ploton sòlda blan, dèyè simityè Okap la. Lè yo te mete l devan detachman ki te pou fizyel l la, li tande, ak kalm, vwa madanm li ki ankouraje l mouri an brav. Nan moman li te mete men l sou kè l, li te tonbe ak plizyè bal nan tèt. Sannitte te refize yo bouche je l. Bouro a, malgre efò li te fè, pa t kapab pliye Sannitte kont blòk [pou koupe tèt li] a. Ofisye ki t ap kòmande ploton an te blije fè yo fizye l." (74)

Marie-Jeanne Lamartinière

Tradiksyon :
"Natif natal yo plen rad ak labou, epi yo meprize lanmò, lè yo lage kò yo sou kanno yo ke yo etenn pafwa. Volonte pou yo mouri te pentire sou chak figi yo. Chak sòlda yo te vin yon ewo. E si pa malè, brav sa yo ta va gen yon ti zing krentif, touswit yon vwa fanm vanyan te ankouraje yo pou yo tere tèt yo anba debri fò y ap sote a? Marie-Jeanne, fanm koulè [yon milatrès, kidonk yon Kreyòl - pa yon Mandemg, ni yon mizilman], moun Pòrepibliken natif natal, bèl fanm nèt, te kite travay rezève pou sèks li, li te vin, nan chak atak Franse yo te fè, bay lanmò gabèl sou teren batay la. Yon sentiron an asye, kote yon epe te pandye, te mare ren li, epi yon fizi nan men l, ak radiyès, l ap lage plon pete fyèl nan kannkès Franse yo. Li te mare sò li ak Lamartinière, e li te toujou batay akote l." (75)

Sòlda fi yo nan gwo batay Lakrètapyero a

Konsa, li yon bagay nòmal pou fanm (Marie-Jeanne te jis yonn nan yo) te goumen kòt a kòt ak gason yo nan Lakrètapyero, yonn nan pi gwo batay nan 12 lane lagè revolisyonè a. San kraponnen, ni pitye, sòlda fi sa yo te menm patisipe nan konvwa kraze zo, kote yo remèt lènmi an tout maltretans yo te jwenn nan men li :
"Apre yo fin kanonnen byen kanonnen lame franse a pandan sis èdtan, bann rebèl la te soti nan fò tèrib yo a, pou yo kale kò devan blese yo ki, swa lage kò yo nan twou yo te fouye, swa kouri pran mòn pou yo, pa te gen ranmase kanmarad yo! Se la ke, kont dwa sakre lagè, yo te matirize sis sòlda vanyan ki te soti nan senkyèm ti demi-brigad la, ak soufrans k ap deranje moun jis pou tande. Prizonye sa yo te franse, se sa ki te tout krim yo ! E mwen k te Franse, mwen te temwen pinisyon sa yo, epi m te toujou, pou nenpòt siy de pitye pou yo, prèt pou m te sibi menm sò ke yo, nan men nèg sa yo ki te kenbe m prizonye yo, e ki ta p jwenn mwen koupab !
Fi yo, pi tchak ankò pase gason yo, te soti nan tèt rejiman dyabolik la, ki t ap mache ak yon dal rèl terib ki konfonn. Premye Franse yo te tonbe sou li a, te jenn ; yo te wete rad li, tripe l, rache kè li, griye l, manje l ; yo tout te bwè san k t ap pije nan venn li! Li kaba !
Dezyèm nan te chatre, trip li te rache, epi finalman griye !
Twazyèm nan ki te pi granmoun, t ap plenyen de jan yo te rèd avè li, li te gen manm li kase, epi yo li kòche l tankou yon bèt…" (76)

F- Rezistans madan sòlda yo

Jan sòlda fi yo te enpòtan, konsa madan sòlda yo te enpòtan. Se  yo menm ki te konn dirije, bay manje, sipòte ak ogmante aksyon rebèl mari yo.


Charlotte, Rèn Revolisyon Ayisyen an, Lwa/Jany danti

Ak konsyan ke, dapre relijyon tradisyonèl la, fi ak gason se yonn konplete lòt, revolisyonè Sendomeng yo te chwazi kòm Lidè Siprèm, koup madanm ak mouche, ki te Charlotte ak Jean-François Papillon. Charlotte, ke Pè Cachetan, yon katolik, te sakre Rèn rebelyon an - sa ki montre ke Revolisyon an pa t janm mizilman vre -  te vin prizonye, epi l te riske lavi li menm jan ak mari l, Wa Jean-François :
"Pè Cachetan ke nou sòt pale de li a, ki te kapab, tankou tout moun katye a pati pou Okap depi nan kòmansman levekanpe a, te pi pito rete nan mitan nèg revòlte yo pou l preche levanjil lafwa, pou l fè yo pèsevere nan yon revolisyon sen ak jis nan je li. Li te kouwonnen nèg Jean-François a ak nègès Charlotte la wa ak rèn Afriken yo, ak chèf revòlt la.
(...)
Yo te kraze anba wou yon milat ak yon nèg. Nègès Charlotte la, madanm Jean-François, wa Afriken yo, te kondane pou l te sibi menn malè a, men akoz ke yo pè ke rebèl yo ta vanje yo sou fanm blan yo te gen anba men yo, Asanble Jeneral la mete otan pou egzekisyon l nan
."
(77)
Lejann Charlotte Papillon (Chalòt Papiyon) an te kòmanse nan lane 1787, kidonk 4 ane anvan levekanpe jeneral la. Se lè sa Jean-François Papillon, ki pita te vin mari li ansanm ak premye lidè lame revolisyonè a, te al mawon :  


Tradiksyon :
"Jean-François, kreyòl, li gen apeprè 22 an, wotè li 5 pye 6 pous, li mens, ase bo gason, li make sou bò dwat lestomak li RB, anwo Sr M. , ak yon mak long anba manton li : moun ki gen konesans de li,  tanpri voye nouvèl bay M. G. Papillon jinyò, ki komèsan nan Kap Franse, ki se mèt li." (78)
Jean-François te kite dèyè Charlotte, menaj li ki te rete nan bitasyon Papillon an Lakildinò ak li. Jouk Charlotte li te swiv tras li nan mwa mas 1791 : 


Tradiksyon :
"Charlotte, Poulard [Foula], li make PAPILLON, bèl fi, nwa, ak wo anpil, mawon depi senk mwa. Yo fè konnen ke li gen yon paspò epi ke l ap di li lib ; li souvan chanje katye : yo kwè li Pòtoprens konnye la oswa ozalantou ; li abiye tankou yon Nègès lib. Moun ki ta gen konesans de li, tanpri fè arete l, mete l nan prizon, epi voye nouvèl bay Madan Papillon, nan Okap, ki se mètrès li ; ap gen 2 Pòtigèz [lajan] kòm rekonpans, e menm plis, si yo vle." (79)
Al mawon, se yon zak radikal, espesyalman pou yon kaptif nan gwo kay la, tankou Charlotte. Dat li te mawon an, ki te jis 5 mwa anvan kòmansman Revolisyon an, pa t chwazi san rezon. Li montre ke te gen kominikasyon ant Charlotte ak Jean-François. Epi, Charlotte te ede kowòdone ant moun k ap konplotè nan Lakil, ki se potomitan levekanpe a, ansanm ak mawon Jean-François yo. Epitou, mawonaj Charlotte la, se yon siy ke plan revolisyonè yo te deja ap mache depi nan mwa mas 1791.
Anplis ke yo te fè lonmen l Rèn, Charlotte te vin tounen Lwa/Jany yo rele Manzè Chalòt, Manmzèl Chalòt,  oswa Mademoiselle Charlotte la. Memwa fanm ewoyik sila te rete vivan nan lavi Ayisyen gras a Lwa/Jany li te tounen a, ke yo pran pou yon fanm blan, akoz de fason chèbè li, epi akoz ke li "sèvi raman ak "langaj" afriken jan sa se abitid lot loa yo, lè l ap pale ; epi lè li itilize lang sa, li pale l si tèlman mal, ki fè yo wè touswit ke li pa soti nan Lafrik. Li pito pale nan lang franse." (80) (Trad.) Men, menmsi sa, Charlotte te yon fanm nwa, menm yon bèl fanm nwa ki soti nan nanchon Foula (Poulard). Epi, jan anons mawonaj la te siyale, agisman chèlbè li a te soti nan atitid moun "lib" ke li te pran, pou l te evite yo met lapat sou li.
Epitou, yo te rele Charlotte "Manmzèl" ou "Ma demoiselle", akoz ke se konsa yo te rele tout menaj Jean-François yo :


Tradiksyon :
"Kant pou Jean-François, li te mèt ale nan cha ak demoiselles li yo" (81)
Bout tèks soti nan yon lèt Tousen Louvèti nan date 15 octòb 1791. Tousen te pale de boubout bo gason Jean-François a ki te konn vwayaje ak li lè li konn ale nan Panyòl. Men, nan 1793, yon prèt panyòl yo, ki te nan konkonbrèt ak Jean-François, te mete otan nan pratik de grenn gòch sila. Yon prèt te fè Jean-François konprann ke li dwe fè vi l ak Mademoiselle Charlotte, bèl fanm vanyan an :
"Jean-François te marye ak Charlotte, ke l te plase avè l, pou anpeche yo di ke yon jeneral panyòl t ap viv nan peche. Charlotte te resevwa ba an swa nan men gouvènè Garcia kòm kado maryaj, Jean-François limenm, te reseswa paròl di Pè Vasquez sou fidelite nan maryaj. Demoiselles yo fini pou li." (82)
Vwalake, menm ba an swa yo, yon kado maryaj gouvènè panyòl Garcia a, montre kijan Charlotte te yon fanm tilititi, ki gen gou fen. Anplis, se Charlotte menm ki te konvenk Jean-François rantre nan kan Panyòl yo, apre ke Pè Vasquez te pwoche manmzèl. (83) Se sa k fè, kado Panyòl yo te konn bay Jean-François te plis pou Rèn li :
"Lè y ap chwazi kado pou alye yo, Panyòl yo te chwa twal an mouslin fen ak rouj ekalat pou Jean-François, epi barik diven ak wonm pou Biassou." (84)
Granmesi twal premye kalite tankou mouslin, Larenn Charlotte te konn abiye ak elegans :


(Ròb ki fèt ak mouslin nan lane 1790 yo)
Sous : The Kyoto Costume Institute. URL : http://www.kci.or.jp/en/

Men, menmsi Charlotte, Rèn an, te fanatik bèl rad ak fè tilitili, sa pa vle di li te trayi rasin li. Agisman Lwa /Jany Manzè Chalòt, Deyès la, te anseye nou sa : "Manje ofrann prefere li se vyann poul ki jenn anpil, epi ki mou anpil, epi ki blije gen plimay pi pa swa." (85)


Fi ki te rete nan "Gran Kay la" oswa House Negresses, trip Revolisyon an

Kontribisyon Revolisyonè fi Nwa ak stati (kidonk, ki te rete nan Gran Kay la) se bagay ki pi souzèstime nan Revolisyon ayisyen an. Si enpòtans fi sa yo pa yon sipriz pou pitit ayisyen yo, sepandan, nan mitan lòt pèp Nwa ki pa t goumen pou libète yo, sitou pou Nwa Ameriken yo ki gen tò konsidere "House Negroes" yo (kidonk fanm oswa gason ki te rete nan Gran Kay oswa Kay mèt la) tankou yon bann trèt. Men, lè n ap pale de Sendomeng, se te kontrè an. Revolisyon an annantye te sou do medam ki t ap viv nan Gran Kay la, kidonk, domestik yo, keseswa pou yo ranmase enfòmasyon estratejik, bay lènmi a move enfòmasyon, bay rebèl yon dal zafè yo manke, pwazonnen kolon an, elatriye. Devosyon revolisyonè Nègès Gran Kay yo, ki pi fò tan te marye ak ofisye rebèl yo, te si tèlman fò, ke Franse yo te rekonèt ke, nan ka yo ta repran zile a, li t ap enposib pou yo ta mete  bò kote yo "Négresses de grande case" oswa "negrès Gran Kay" yo ; e sa, ke pa fòs, ke nan konvenk yo :

Tradiksyon :
"Pou fi yo menm, ki se omwen mwatye popilasyon zile a, krentif pou baton pral fè yo antre nan lòd ; se sèlman fi sa yo yo rele nègès gran kay yo, ki, nan vil ak plenn yo, te prèske toujou viv ak ofisye nèg yo, oswa privilejye yo nan koulè sa, ki kenbe rayisman ak kòlè kont blan an ; fi sa menm ki gen rapò ak lakilti, ke bèbèl ak kalewès pa fin gate, y ap toujou jwenn plis enterè nan rete fidèl a nou pou yo ka jwi, anba yon gouvènman an pè, ti pwodwi pou amizman ke travay yo va ba yo." (86)

Madan Pageot (Pajo), sèvant ewoyik la

Nan 7 oktòb 1802, Jeneral Janjak Desalin te ale nan Tirivyè Latibonit kote, apèn li rive, Videau (Vido), ki se pè nan pawas la, te envite l manje dejene nan presbitè a. Se te gras a yon siy Madan Pajo, yon Milatrès domestik nan presbitè a, ke Desalin te chape arestasyon ki te nan pwogram nan :
"Lè l pral chita sou tab pou l manje, yon fanm koulè [Milatrès] yo te rele Madan Pageot, sèvant prèt la, te vin sèvi Desalin dlo pou l lave men l : li [Desalin] te konnen l depi yon bon bout tan epi l te konn rete l komè. Fanm sila te okouran tou de pwojè arestasyon an, pwiske sòlda franse yo te kache nan apatman prèt la ; li [Madan Pajo] te sezi moman sila pou l te fè Desalin yon siy enpòtan, ke li te egzekite ak anpil konpetans : siy sila, se te rale bra l dèyè do l nan yon mouvman sibit. Se te pou l fè Desalin konpann ke yo ta pral mete l anba kòd tankou yon kriminèl, ak de men l mare dèyè do l.
Zwav kon Rena, je klere tankou yon Pentad, jan Boisrond Tonnerre [Bwaron Tonè] te di, epitou ak avètisman li te jwenn nan men Saget [Sajè], Desalin te konprann komè li, e olye li te pran manje, li te pran pòz ke l te bezwen pase yonn nan ofisye l yo yon lòd, e li te kouri met deyò nan presbitè a." (Trad.) (87)
Lè nou konsidere ke yo te met lapat sou Tousen Louvèti nan menm sikonstans la kèk mwa sèlman anvan sa, epi ke Desalin te vin rape viktwa final la yon lane pita, nou reyalize enpòtans ke jès ewoyik Madan Pajo a te genyen nan siksè Revolisyon ayisyen an.

Machann yò ak solda blan yo

Anpil machann te konn al vann manje nan kan franse yo. Fanm vanyan, tchak ak entelijan sa yo te konn tou pwofite metlapat sou katouch bal kòm peman :
"Nan lagè Sendomeng la, anpil fwa nou te jwenn katouch bal franse tounèf sou prizonye rebèl yo ; blan yo ki te sezi, te lage blam an sou dou gouvènman an ak ajan li yo ; men mwen menm, mwen te jwenn pawòl nan men Hyacinthe (Yasent) ki se yonn nan chèf revòlt la, msye ke m te pèmèt antre sou kèk bitasyon ansanm ak kèk lòt Nwa, te fè m konnen ke katouch sa yo, se Nègès ki abitye al nan kan blan yo epi ki rete lavil ki voye yo pou yo. Pou katouch yo, fi sa yo vann sòlda blan yo chou ak karòt, ansanm ak lòt kalite favè. Sèvitè Nwa yo, ki gen mèt yo nan kan yo, abitye soti lannwit, malgre jefò gad yo, epi yo pote katouch yo bay lòt nwa, ki yo menm voye nan kan rebèl yo, katouch sa yo ke Nègès yo te bay yo, oswa ke yo te vole nan pa mèt yo." (Trad.) (88)
Angwo, efò nan Revolisyon an te kolektif. Fi ki te nan kontak sere ak sòlda blan yo te potekole ; yo te pran anpil risk.


G- Fanm vanyan yon nan lanmò

Lesklavaj te konsève pa flanm dife laterè ak kwayans kretyen restavèk, ke kolon an te kenbe limen nan lespri kaptif li yo. Se sak fè, kaptif la, pou l te rive libere tèt li, te dwe, nan yon bò, goumen kont lapè ak lespri restavèk te yo te mete nan may li ; epi, nan yon lòt bò, li dwe rantre lapè sa nan kalbas tèt kolon ke l ap goumen an. Se s ak fè lagè endepandans ayisyen te sitou yon gè mantal ak sikolojik, yon gè nan volonte ak karaktè. E nan jwèt sila, mesye dam nan Domingue yo te maton anpil. Yo te menm sèvi ak lanmò yo pou yo gen viktwa mantal :
"Nan figi moun ki t ap mache al pran lanmò a, nou wè k ta briye bèl karaktè lalibète a ki te kòmanse grandi sou tè sa ki imid ak san yo (…) Yo souvan ankouraje yonn ak lòt pran lanmò. Yon chèf Nwa yo, yo te rele Chevalier [Chevalye], te ezite lè l te wè zouti lanmò yo. Kisa! madanm li te di , ou pa konnen ki jan li dous pou mouri w pou libète? Epi san li pa kite bouwo a touche man li, li rale kòd la epi li pann tèt li. Yon manman te di pitit fi li yo, ki t ap kriye lè yo t ap mache pou y al mouri : Nou te mèt kontan, vant nou pa p fè pitit esklav." (Trad.) (89)
Anplis, fanm sa yo te montre timoun piti yo pran egzekisyon san yo pa tranble :
"Lè sa, sou estrad pandezon yo, nan flanm dife yo, nan vag lanmè yo, anba tòti yo, pa gen moun ki te tande ankenn soupi : menm timoun pa t kriye, e yo pa t fè echafodaj egzekisyon yo tande rèl timoun yo. Non dous peyi ak libète te kouri sou bouch yo, lè y ap trepase." (Trad.) (90)
Defyans fanm nwa yo te manifeste tou, lè Jeneral nwa yo (ki te entegre lame franse a) te mache sou dwa yo. Pa egzanp, apre abolisyon esklavaj nan Sendomeng (1793-1794), Tousen Louvèti te kòmande nouvo lib yo pou yo retounen travay sou ansyen bitasyon yo. Epi anpil nan moun ki te refize, te sibi egzekisyon, jan sa te rive nan Titrivyè Latibonit.
Nan yon gran vil, fanm nwa ak milat yo ki te fèk tabli, pa t cho pou yo te obeyi. Jeneral Desalin te fè yo reyini medàm kokèt sa yo, epi li te fè yo koupe bèl rad yo. Apre sa, li te rebay yo lòd pou yo retounen sou bitasyon yo. Tout fi yo te obeyi, eksepte yonn ki, menmsi yo ka egzekite l, te defye Janjak Desalin ansanm ak Tousen Louvèti :
"Nan okazyon sila, se yon sèl nègès ki te montre yon karaktè ki te kontrarye Jeneral Tousen ; epi an piblik li te refize kite vil la, epi obeyi lòd li. Yo te mennen l devan li : poukisa, Tousen di, ou pa obeyi lòd mwen, epi retounen nan bitasyon kote w te esklav la? —Paske mwen pa sa ankò, epi wou menm te di m, ak tout lòt nèg yo, ke nou te lib. — Moun lib la dwe travay, Tousen di l. — Wi, si bezwen fòse l travay ; men mwen gen ase pou m viv nan endistri mwen, san m pa depann sou pèsonn moun, e pa gen moun ki gen dwa fòse m travay. — Mwen pral fè yo fizye w, jeneral la di l.— Ou kapab, men m ap mouri lib. Tousen fèmen je l sou dezobeyisans nègès sila, epi li bay lòd yo kite l rete nan vil la." (Trad.) (91)
San ankenn dout, nou nan mitan reyalite zantray la, kote tou de sèks yo pataje responsablite lagè.


H- Fi tchak yo

Finalman, an jeneral, fi tradisyonalis Sendomeng (Ayisyen) an te bay sistèm esklavaj la plis pwoblèm pase gason. Plizyè kolon ak sòlda blan te fè obsèvasyon sa, ki montre yon sitiyasyon diferan de islam kote fi dwe timoun ke rete ak gason :
"Nègès yo te mil fwa pi ensolan, pi rèd & mwens fasil pou retounen anba lòd blan ke nèg yo." (92)
Kolon ki te gen malchans vin prizonye, te bay rapò sou abi yo te sibi. Epi, N ap di l ankò, medam Sendomeng yo te patisipe nan tout aspè nan lagè a, epi yo te bouro ki te tchak, espesyalman pou fanm blan ki te prizonye yo, yo menm ki te konn si tèlman imilye medam nwa yo nan tan esklavaj la :
"Konsa, pou premye fwa, nou pral wete fènwa  sa ki antoure sò malere de toulede sèks yo k te tonbe nan men brigan yo, ki kite anpil nan yo anvi jis pou yo matirize yo ak vyolans ki mil fwa pi mechan pase lanmò. Nou te aprann sa nan rapò ki prizonye yo te pibliye, e anpil ladan yo pa t kapab siviv libète ke venkè yo te bay yo, espesyalman fanm [blan] yo, ki te gen kèk sèlman ki pa t sibi oswa ki te reziste move tretman sa yo ki te pi degoutan : nègès yo sitou te lage sou yo yon raj ke ensolans mesye [nwa] yo pa t ka konpare. Men, an jeneral, levekanpe nwa yo te vini ak yon jan de ferosite ki merite klase nan listwa pou tout tan gen tan." (93)

"Moun Lenbe yo, jan m te deja di li anvan an, te apèn wè flanm dife devore byen rich yo, ke yo te kwè yo pa t dwe tann li lontan anvan yo al chache yon kote si pou yo mete kò yo ; prèske tout te rasanble nan presbitè a : kòm danje a te serye, yo te blije kouri sou plaj la kote kannòt t ap tann yo, pandan yo ap lage nan men yon lènmi sovaj, sa yo te gen ki enpòtan omand. Pandan tan sa, rebèl yo ki vin mèt total kapital katye a, pa t gen anyen pi prese pou yo te fè pase pran tout fanm ki te gaye epi san pwoteksyon sou bitasyon yo. Yo te boukante yo nan presbitè pawas la kote pè Philémon te gen wòl gadyen yo. Men, ki sa malerèz sa yo pa t soufri nan men brigan yo tankou nan men sanzave Philémon an? Chak nan yo te pase amizman sadik yo, menm jèn fi yo pa t epanye de esklavaj malatchong sa! Apre yo te fè yo travay tout jounen nan jaden an oswa nan kwizin nan, sou kontwòl nègès yo, yo te fèmen yo nan legliz la, kote pè 'Philémon, tankou nan yon bidjonèl, chak swa te vin chwazi ak kiyès l ap pase nwit la, epi li lage rès bay brigan yo ki te vide sou yo an foul e ki abize feblès yo. Komès tris sa ke yon minis nan relijyon an te tolere, te dire espas de mwa, sa vle di jouk moman delivrans malerèz sa yo, jounen kote Mesye Touzard te finalman anvayi katye a." (94)


I- Manman, sè ak pitit fi rebèl yo

Nou konnen ke enkyetid pou byennèt Marie Charlotte de l'Assomption de Milo Papillon te enfliyanse apwòch politik ak militè mari li Jean-François Papillon. Msye, se te premye lidè lame revolisyonè a. Nou okouran tou de wòl santral Suzanne Louverture nan sipòte mari li Tousen. Menm jan tou, nou konnen kontribisyon esansyèl ke Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur te bay Jean-Jacques Dessalines. Se konsa tou, nou byen enfòme de enfliyans Marie-Louise Melgrin Coidavid te genyen sou Henry Christophe, mari li. E nou kwè ke enfliyans Raymonde Jacob sou mari li Georges Biassou pa t mwens.
Sepandan, anplis de madanm rebèl yo, pitit fi yo, sè yo ak manman yo te afekte lavi ak desizyon yo tou. Pa egzanp, Tousen Louvèti te adòpte Rose (Woz), yon ti òfelen de 10 zan ki te moun Plezans. Ti lezanj sila te bay Tousen kè sansib, lè li te entèsepte l sou wout Gonayiv-Ennry a, epi li te rele byen fò : "Papa, papa, pran m, pran m avè w." (Trad.) (95)
Kanta pou Jean-François, apre defèt Espanyòl yo ke li t ap sipòte, li te blije kite zile a, dapre Trete de Bal la ki te siyen nan 22 jiyè 1795. Men, Jean-François pa t ka pati kite manman l Anne, sè li Marie Louise, pitit fi li Célestine ak Marie Joseph, (96) ansanm ak tout lòt manm nan fanmi li ki t ap viv nan pati Franse a. Men, gras a otorizasyon Tousen Louvèti, Jean-François te, nan mwa janvye 1796, rejwenn fanmi li nan Fòdofen. Epi nan vil nan Nòdès sila, li te mennen yo avè l nan lekzil nan vil Kadiks, nan Lespay. (97)
Men, Biassou pa te gen menm chans sa. Li pa t kapab mennen manman l Diane Grand-Jean, ki te gen katreven zan, nan Sen Ogistin, nan Florid, kote li te jwenn lekzil. Li menm te fè anpil demann, san siksè, bay otorite lokal yo, pou yo te pèmèt li òganize yon ekspedisyon militè nan Sendomeng, pou l te ka al chèche manman l li te renmen anpil. (98) Sa fè n sonje sa k te rive kèk lane anvan. Nan 22 janvye 1792, Biassou ki pa t jwenn repons nan lèt li te ekri manman l ak sè li, te anvayi lopital Pè Lacharite nan Okapdikap, epi li te libere fanmi li ki te toujou anba kòd kote sa. (99) Jès lanmou Biassou sila te kase tout posibilite konpwomi ant rebèl yo ak kolon yo, jan Jean-François te pwopoze li kèk semèn anvan. Paske, nan desanm 1791, te gen yon trèv (kidonk yon ti poze nan batay la). Nan Trèv sila, Jean-François, ki te pè pou madanm li Charlotte ke yo te arete nan kan Galliffet, te pwopoze pou rebèl yo remèt zam yo, e ke kolon yo boukante jès sa ak yon ti ponyen libète, ansanm ak amnisti pou lidè rebèl yo. (100)

Pou n fini, n ap di ke li pa t serye pou yo te prezante Cécile Fatiman tankou yon mizilman, epi Revolisyon ayisyen an tankou travay islam. Paske relijyon mizojin sa (kidonk ki rayi fanm) pa t fè yon plas enpòtan konsa pou fanm nan lit la. Nou dwe sonje ke nan islam :
  • Kò yon fi, dapre islam, dwe kache de tout gason ak eksepsyon de fanmi pre li ansanm ak esklav li. (Quran 24 : 31 ; 33:55 ; 33 : 59).
  • Fanm ka marye menm nan laj kote yo ponkò gen règ : "sa yo ki pa gen règ." (Quran 65 : 4).
  • Lesklavaj se pa sèlman pèmèt, men li entèdi pou yo gason kouche ak fanm marye, "eksepte sa yo men dwat ou posede (esklav ou)." (Quran 4 : 24)
  • Kò Fi lan dekri tankou yon jaden ke yo dwe sekle jan yo pi pito : "Madanm ou yo se yon kote pou simen semans pou wou li ye, konsa ale nan jaden w epi kiltive nenpòt ki jan w ou pi pito, epi travay pou byenèt tèt ou anvan tout bagay." (Quran 2 : 223)
  • Fi, dapre islam, yo "manke entelijans ak relijyon", epi yo vo mwens pase gason, se pou sa, "yon prèv ke de fi bay vo temwayaj yon sèl gason." (Sahîh Bukhari : 6 : 301)
  • Epitou dapre islam, fi fèt pou yo ale nan lanfè : "medam yo, bay ochan, jan mwen wè l la, majorite nan moun ki nan lanfè se wou menm (fanm)." (Sahîh Bukhari : 6 : 301)
  • Epi èske nou bezwen pale de esklavaj mizilman ak paradi rayi fanm nan kote fi vyèj rete ap tann gason pou ba yo sèvis? (Al Rahman 55 : 56-72)
Annou konpare jan yo meprize fi nan islam ak jan fi ap mennen - nan sans wayal la - nan relijyon tradisyonèl la. Pa egzanp, pèsonèlman, mwen se :
  1. yon Houngan asògwe oswa yon gran prèt, ki se yon eritye Ginen
  2. yon fanm (Manbo asògwe) ki limenm tou se
  3. eritye yon fanm, ki te
  4. eritye yon gason, ki te
  5. eritye yon fanm.
  6. Se konsa, depi tan te tan, depi yon dal jenerasyon.
Se poutèt sa nou ka di ke sèks pa ditou enpòtans nan relijyon Zansèt Ayisyen an ki te fè seremoni Bwa Kayiman an. Relijyon sa gen anpil chante sakre ki pale, san grate tèt, de egalite toutbonvre ant sèks yo, ak enpòtans fanm. Me yonn nan chante sa yo ki di sa nan yon jan komik :

Pa pale fanm mal o.
Pinga pale fanm mal o.
Fanm gen yon dousè ladan l,
Si w kwè m manti goute non.



* Bey Hussein 1ye (1705-1735), avèk kiyès Théodore te gen kontak depi anpil lane, te gen nan fanmi li plizyè fi ke te rele "Fatima" (101) oswa "Fatma" ; te gen ladan Lalla Fatima el-Ghazaliya, Lalla Fatima bint 'Usman, de nan twa madanm li yo ; epi, Lalla Fatima, yonn nan kat pitit fi li yo.
Anplis de sa, Lalla Aisha, dezyèm madanm siksesè li, ki te ede Theodore a, Ali 1ye (1736-1756), te  Lalla Fatima pitit fi bint 'Usman
. Menm jan tou, Sidi Muhammad Bey, yonn nan pitit gason Ali 1ye, te pran Lalla Fatima pou madanm.

Epitou, revizyonis yo ta renmen konnen ke Theodore 1ye, limenm tou te gen kontak ak non kretyen "Bookman" an, paske 53 lane anvan seremoni Bwa Kayiman an, li te fè biznis ak yon bankye Olandè ak non sa :


Tradiksyon :
"Osi bonè ke nan mwa oktòb 1738, Théodore te mande kaptenn Bigani pou fè Drost konnen ke l ta renmen rankontre l nan Naples, depans vwayaj sa ta dwe asire pa mesye Bookman ak Evers. Lèt pou Bigani, anba kouvèti Bookman ak Evers, li pa gen dat.
(...)
Bookman, Òmdafè Olandè...
Bookman & Evers, bankye..." (102)
Epi, prèv sila vin kraze lejann ki di ke non "Boukman" an te soti Jamayik akoz de islam an nèt. Pase nan Lakòs, nan 1738, Théodore 1ye menm, te bay tèt li plizyè non kretyen. E "Bookman" te yonn ladan :


Tradiksyon :
"Nan mwa janvye 1738 "Mercure historique et politique de Hollande" an te fè lwanj Neuhoff, "liberateur" (ki te libere) Lakòs la. Nan zile a, apa de Zicavais yo (moun ki soti Zicavo), okenn moun pa okipe Neuhoff ki regilyèman chanje non ak adrès li; pafwa li rele tèt li Villeneuve, Bookman, Baron Kepre ... epi pafwa li di li se yon "Machann ki soti Venis" oswa yon "Sitwayen Florans (Lucques)." (103)
** An reyalite, apa de ti kras kontribisyon islamik kèk ti kote, se sèlman nan Seneganbi (Senegal, Ganbi, Ginen Konakri, Ginen Bisawo, Mali ak yon bout nan Moritani) (104) te gen yon kantifye serye de moun ki ka (plis oswa mwens) mizilman ke yo te mennen kòm kaptif nan Saint Domeng. Men, kantite a pa t anpil. Paske done ki nan Slavevoyages.org (105) yo montre ke se sèlman 7.05% nan kaptif yo te debake nan Sendomeng yo ki te soti nan zonn Senegambian sa. E nan moun sa yo, majorite a pa t swiv relijyon Zansèt la, akòz ke islam te rive jwenn mas moun "Afrik" Delwès yo sèlman pandan peryòd kolonyal yo, (106) nan 19-20yèm syèk ; kidonk, apre endepandans Ayiti a.
Anplis, Seneganbi te bay sèlman 5.9% nan kaptif nan Nò Sendomeng la, kote levekanpe jeneral la te pete, ak seremoni Bwa Kayiman an te fèt. Sepandan, 51.7% nan kaptif nan Nò Sendomeng yo te soti "Lafrik Santral" ki tradisyonalis anpil ; pandan ke 22.5% te soti nan Gòlf Benen, yon kote ki fyè de sèvi Vodun li.
Finalman, pou konparezon, pa t gen okenn Revolisyon oswa tantativ serye pou fè Revolisyon koloni Panyòl Amerik di Sid yo, kote kaptif ki soti Seneganbi te majorite a ak 63,91% kaptif yo. Menm jan tou, koloni kote Seneganbyen yo te fòme gwoup ki pi plis la : Giyàn Franse (26.75%), Etazini (24.36%), te gen lapè nètalkole si w konpare ak Sendomeng pou majorite tradisyonalis ki te toujou kanpe sou Revolisyon.
*** Makandal oswa Macandal pa t mizilman. Nou te montre li yon lòt kote. Nou ka rebay li isit la, si nou jwenn tan.
+ Jenealojiis yo pwopoze ke Premyè dam an, Mari Louise Amélie Pierrot, ki gen tinon Sese, te fèt nan lane 1826, nan maryaj Cécile Fatiman ak Louis Pierrot. Men, pwiske Cécile Fatiman te fèt an 1775 e ke li te gen 51 an nan lane 1826, nou kwè ke pitit fi li Sese te fèt plizyè lane anvan dat 1826 la. Sof si Sese pa t pitit Cécile Fatiman, men ke li te pitit pitit li ; oswa si Sese te pitit yon lòt fanm ki te pi jèn ke Cécile Fatiman.
Jounal yo, nan tan Madan Nord Alexis, kidonk Sese, te sètifye ke Premye dam la te pitit fi ansyen prezidan Louis Pierrot. (107) Anplis de sa, Semexant Patterson, ki se yon ti neve Sese, menm jan ak Daumec Bobo, ki se yon ti neve Prezidan Nord Alexis, (108) te enfòme ke Sese te nyès Rèn Marie-Louise Coidavid :
"Nord Alexis te marye ak yonn nan pitit fi Prezidan Pierrot, yonn nan nyès Rèn Marie Louise, madanm Henry Christophe." (Trad.) (109)
Daumec Bobo ak Semexant Patterson te "de ti neve koup prezidansyèl la, ki te konsidere yo tankou timoun adopte yo". (Trad.) (110) Se sa k fè enfòmasyon mesye sa yo bay, pa gen dout nan sa. Lè nou konnen ke Cécile Attiman Coidavid, ke yo rele Cécile Fatiman, te gran sè Rèn Marie Louise Coidavid ; e ke Cécile Fatiman te premye madanm Louis Pierrot, nou wè ke Sese te pitit fi Cécile Fatiman, e li pa t pitit pitit li.
Anplis de sa, genyen kèk ki sijere ke Cécile Attiman Coidavid te divòse Louis Pierrot nan lane 1812. Si sa se vre, 3 pitit koup sila te genyen ansanm, yo nesesèman te fèt anvan divòs nan lane 1812 la. Epitou, Sese te ka menm fèt anvan 1806, pwiske menm jenelayolis yo te pwopoze lane 1806 kòm dat nesans Anne Euphrasie Chambellant, ki se pitit fi Louis Pierrot nan dezyèm maryaj li ak Geneviève Coidavid.
++ Jean Fouchard. Les Marrons de la liberté, 2e ed. Port-au-Prince, 1988. p.412.
+++ Men, kiyès jij nwa sa ki te maltrete Manbo a te ye? Li te sa yo bay pou César Télémaque la, yon "Negre vraiment français", oswa yon "Nèg franse toutbonvre", jan otè franse D'aval (111) te di la. Yon lòt fason pou di l, li te pwòtre tisousou a. Li te fèt nan Matinik, men li te viv 49 nan 60 lane li nan peyi Lafrans, kote l te gen 36 zan marye ak yon fanm franse (blan), nan moman evènman sa te pase. Li te rive nan Sendomeng menm lane 1796 la, epi, tankou tout Franse k te sot an Frans yo, li te yon degoutans pou chak grenn bagay nan sivilizasyon Zansèt la - si nou ka rele li konsa. Leclerc te lonmen l majistra Cap Français (Okap), apre li te konsole blan yo apre dife jeneral rebèl Henry Christophe te limen an. Se menm Christophe sa ki, nan 1806, te sibi konplo César Télémaque, apre asasina liberatè a, Anperè Jacques 1ye, yo konnen kòm Desalin. César Télémaque sa, fanatik Loksidan an, ke Anperè a, yon 21 avril 1804, te fè erè epanye lavi li pa pitye, (112) - apre li te pi pito mouri olye li te pann yon blan franse. Li te chita kòm prezidan Asanble Konstitisyon an, ki, sanzatann, te gonfle kantite pawas pwovens Lwès ak Sid yo de 23 a 41 pou yo te ka vin gen majorite. E konsa, yo te vòlè pouvwa lejitim Henry Christophe la, ki te dezyèm nan grad apre Desalin. Konsa, li te vin senatè pou sis zan, nan lane 1806, e li te yon siyatè konstitisyon nan Wès la, ki te separe de pati Nò peyi a. César Télémaque, nwa sa ki te wont de ras li, li te yonn nan achitèk de Repiblik Bannann, lènmi Revolisyon Ayisyen an, ke Ayiti gen konnye la.



Referans
(1) Hérard-Dumesle dekri jès moun ki t ap dirije sèvis la ak mo sa yo: "Pa lwen kote sa [Mòn Rouj, kote reyinyon 14 dawou 1791 la te fèt] yon lòt reyinyon te bay lwa yo yon nouvo ofrann ; te gen yon kochon ki te sakrifye, epi yon jenn fi te Pythie [Pretrès nan relijyon grèk ansyen] a, li te li nan trip tou cho viktim nan ; li te leve men inosan li yo nan direksyon syèl la, epi li te di ak anpil kè, ke lwa a te dakò ak yon aksyon ki tèlman gen bon siy alawonnbadè ke tout bagay mache byen. Imajinasyon moun yo fin chaje ak memwa tout soufrans yo te andire, pa t gen ezite ankò, se te kouri al pran zam.
Nan denmen, li te tou pre minwi (23 a 24 dawou), lè klòch la te sonnen malè a. [An reyalite, konplo a te eklate sou lannwit 22-23 dawou a, sa ki mete seremoni ak sakrifis la jounen anvan an, kidonk nan lannwit  21-22 dawou la.]" (Trad.) Hérard-Dumesle. Voyage dans le Nord d’Hayti ou révélations des lieux et des monumens historiques. Cayes, 1824. p.89.
(2) Jean Fouchard. Les Marrons du syllabaire : quelques aspects du problème de l'instruction et de l'éducation des esclaves et affranchis de Saint-Domingue. Port-au-Prince, 1953
(3) Étienne D. Charlier. Aperçu sur la formation historique de la Nation haitienne. Port-au-Prince, 1954. p.49.
(4) "Nan lannwit 14 dawou a, yonn nan lidè nan lavni revòlt la, Bouckman te reyini konplotè yo nan Bwa Kayiman, yon kote apa, byen lwen je malveyan, epi la, pandan yon kòkennchenn seremoni voodou ke yon vye granmoun nègès Afriken te dirije, li te denonse Bondye Blan yo epi li te mete libète frè malè li yo anba pwoteksyon Bondye Afriken yo." (Trad.) Étienne D. Charlier. Ibid.
(5) Nou ka jwenn jeneyaloji (rejis fanmi) Jeneral Rameau nan sit sila - men ki pa ofisyèl:  http://www.rootsweb.ancestry.com/~htiwgw/familles/fiches/041518.htm, men sa tout moun dakò sou li, se ke temwayaj Jeneral la, ki te egzak, mache ak done ofisyèl yo ki chita nan Almanay Wayal la (L'Almanach Royal D'Hayti) ki make dat nesans Rèn Marie-Louise, ki te ti sè Cécile Fatiman (Attiman) Pierrot pa 3 zan.
(6) Gérard Barthélémy. "Propos sur le Caïman : Incertitudes et hypothèses nouvelles". In : Chemins Critiques, Vol 2. No 3, Mai 1992. pp-33-58.
(7) Charles Najman. Haïti, Dieu seul me voit. Paris, 1995. p.158.
(8) Sylviane A. Diouf. Servants of Allah : African Muslims enslaved in the Americas. New York, 1998. p.229.
(9) Gedichte von Ludwig Uhland. "The knight of Saint George". In: The Benares Magazine. Vol 3. No. 1. January 1850. p.51.
(10) Les Afiches Américaines du 26 Avril 1783, parution no. 17. p.217.
(11) Les Afiches Américaines du 17 Avril 1784, parution no. 15. p.241.
(12)  Les Afiches Américaines du 24 Juin 1789, parution no. 51. p.341.
(13) Les Affiches Américaines du 6 julliet 1774, parution no. 27. p.314.
(14) Les Affiches Américaines du 11 mai 1785, parution no. 19. p.216.
(15) Les Affiches Américaines, Supplément du mercredi 8 frévrier 1786, parution no. 6. p.70.
(16) Les Affiches Américaines du 6 November 1771, parution no. 45, p.486. 
(17) Les Affiches Américaines du 25 juillet 1780, parution no. 30. p. 233. 
(18) La clef du cabinet des princes de l'Europe ou recueil historique et politique sur les matières du tems. Tome LXV. Juillet 1736. Luxembourg, 1736. p. 24.
(19) La clef du cabinet des princes de l'Europe ou recueil historique et politique sur les matières du tems. Tome LXV. Juillet 1736. Luxembourg, 1736. p. 17.
(20)  La clef du cabinet des princes de l'Europe ou recueil historique et politique sur les matières du tems. Tome LXV. Juillet 1736. Luxembourg, 1736. pp. 24, 26.
(21) Julia Gasper. Theodore Von Neuhoff, King of Corsica: The Man Behind the Legend. Newark, 2013. p.96 ; Also called "Grégoire Attiman" : Le courrier No. 104, du mardi 25 décembre 1736.
(22) Mercure Historique et Politique du janvier 1737. p.36.
(23) The Critical Review, Or, Annals of Literature. Volume 24. London, 1798. p.237.
(24) Giacomo Casanova. Histoire de ma vie. Vol.6. Leipzig, 1962. p.348.
(25) The New American Cyclopaedia : A Popular Dictionary of General knowledge. Volume 12. Edited by George Ripley, Charles Anderson Dana. New York. 1863. p.207.
(26) Earl Leslie Griggs. Henry Christophe & Thomas Clarkson: A Correspondence. Berkeley & Los Angeles, 1952. p.79.
(27) Thomas Madiou. Histoire d'Haïti. Tome 6. 2éd. Port-au-Prince, 1988. pp.226-227.
(28) Alessandro Panajia. ‪Il casino dei nobili‬: ‪famiglie illustri, viaggiatori, mondanità a Pisa tra Sette e Ottocent‬. Pisa, 1996. p.194.
(29) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti. Vol. 9. Paris, 1860. p.57. 
(30) Charles Dupuy. Le Coin de l'Histoire. Tome I, 2e édition. Port-au-Prince, 2003. p.18.
(31) Susan Buck-Morss. Hegel, Haiti, and Universal History (Illuminations: Cultural formations of the Americas). Pittsburgh, 2009. p.141.
(32) Gustave d'Alaux, Maxime Rayband. L'empereur Soulouque et son empire. Paris, 1840. p.64.
(33) J.C. Dorsainvil. Histoire d'Haïti & F.I.C. Histoire d'Haïti. Port-au-Prince, 1942. p.158. Riché :
"était le grand ennemi de toutes les sectes superstitieuses. Il poursuivit avec vigueur ceux qui pratiquaient les cérémonies et les danses "vaudou"" (Trad.) : Riché "te yon gran lènmi tout sèk sipèstisyon yo. Li te kouri ak gwo ponyèt dèyè moun ki te konn fè seremoni ak dans "vodou"".
(34-35) Milo Rigaud. La tradition Voudoo et le Voudoo haïtien : Son Temple, ses Mystères, Sa Magie. Paris, 1953. pp.71, 77.
(36) J.C. Dorsainvil. Op. Cit. p.206.
(37) Alcius Charmant. Haiti: vivra-t-elle. Le Havre, 1905. pp.179-80. (Sitasyon Michael Largey. Vodou Nation: Haitian Art Music and Cultural Nationalism. Chicago, 2006. p.68.
(38) Archives du Ministère des Affaires Étrangères, Dossier Nouvelle Série, NS 3, p.30. "lettre du 12 octobre 1908." Yon sitasyon Pascale Berloquin-Chassany. ""Papa Nord", charisme et relations diplomatiques 1902-1908". In : La révolution haïtienne au-delà de ses frontières. Paris, 2006. pp.167-183 (p.175)
(39) Le matin No.462 du jeudi 15 octobre 1908. In : Jean Desquiron, Haïti à la Une : Une anthologie de la presse haïtienne de 1724 à 1934. Tome II, 1870-1908. Port-au-Prince, 1994. pp.256-257.
(40) Stephen Bonsal. "The passing of Nord Alexis of Haiti : A Typical Turn in the Wheel of Popular Fortune by Which Presidents Are Made and Lost in the Black Republic." In : The New York Times of February 21, 1909, p.3. ; The American Mediterranean. New York, 1912. pp.59-60, 68-70, 79, 102.
(41) William A. MacCorkle. "The Monroe Doctrine and its application to Haiti".  In : The Annals of the American Academy of Political and Social Science, Vol. 54, International Relations of the United States (Jul., 1914), pp. 28-56 (pp.38-39, 42-43)
(42) Jafrikayiti. Viv Bondye aba relijyyon! Ottawa, 2000. pp.44-46.
(43) Les Affiches Américaines du mercredi 15 juillet 1789, parution no. 45, p.941. 
(44) Les Affiches Américaines samedi du 24 février 1787, parution no. 8, p.705. 
(45) Supplément aux Affiches Américaines du samedi 3 décembre 1774, parution no. 48, p.573. 

(46) Les Affiches Américaines du mercredi 9 août 1775, parution no. 32, p.374. 
(47) Les Affiches Américaines du mercredi 25 janvier 1775, parution no. 4, p.38.
(48) Les Affiches Américaines du mercredi 17 mars 1785, parution no. 11, p.130. 

(49) Supplément aux Affiches Américaines du samedi 15 juin 1771, parution no.24, p.244.
(50) Supplément aux Affiches Américaines du samedi 13 juin 1789, parution no.36, p.903.
(51-56)
Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire sur les prétendues pratiques magiques et empoisonnements prouvés aux procès instruits et jugés au Cap contre plusieurs Nègres et Négresses dont le chef, nommé François Macandal, a été condamné au feu et exécuté le vingt janvier 1758. (A.N. COLONIES F3. 88).
(57) Carteaux J. Félix. Histoire des désastres de Saint Domingue.  Paris. 1802. p.301.
(58) Michel Descourtilz . Histoire des désastres de Saint-Domingue. Paris, 1795. p.90.
(59) Supplément aux Affiches Américaines du mercredi 1 mars 1786, parution no.9, p.110. 
(60-61) Michel Pierre Descourtilz. Voyages d'un naturaliste, et ses observations... Volume 3.  Paris. 1809. pp.119-120, 130-131.
(62-64) Colonel Malenfant. Des colonies et particulièrement de celle de Saint-Domingue : mémoire historique. Paris, 1814. pp. 217-218, 218-219, 219-220.

(65) Antoine Métral. Histoire de l'expédition des Français à Saint-Domingue. Paris, 1825. pp.177-178.
(66) Marlene L. Daut. Tropics of Haiti : Race and the Literary History of the Haitian Revolution in the Atlantic World, 1789-1865. Liverpool, 2015. p. 208.
(67) Michel Descourtilz . Histoire des désastres de Saint-Domingue. Paris, 1795. p.193.
(68) Mazères. De l'Utilité des colonies, des causes intérieures de la perte de Saint-Domingue et des moyens d'en recouvrer la possession. Paris, 1814. p.66.
 
(69-71) Jacques de Cauna. Au temps des isles à sucre : histoire d'une plantation de Saint-Domingue au XVIIIe siècle. Paris, 2003. pp.231, 232.
(72) Archivo General de Indias, Sevilla, Aud. Santo Domingo, 1089, letter 548, enclosure no. 4.  ; Public Record Office, London, WO 1/65, p.809. ; Sitasyon David Barry Gaspar, Darlene Clark Hine. More Than Chattel: Black Women and Slavery in the Americas. Bloomington, 1996. p.278.
(73) Olfert Dapper. Description De L'Afrique... Amsterdam, 1686. p.369. 
(74-75) Thomas Madiou. Histoire d'Haïti. Tome 2. Port-au-Prince, 1847. pp.329, 221-222.
(76) Michel Pierre Descourtilz. Voyages d'un naturaliste, et ses observations... Volume 3.  Paris. 1809. pp.355-356
(77) François-Alexandre Beau. La Révolution de Saint-Domingue, contenant tout ce qui s’est passé dans la colonie française depuis le commencement de la Révolution jusqu’au départ de l’auteur pour la France, le 8 septembre 1792. Inédit. F 3 141, Archives nationales d’outre mer (ANOM).
(78) Les Affiches américaines du 3 novembre 1787, parution no.44, p.900.
(79) Gazette de Saint-Domingue, du Mercredi 10 Août 1791. vol.2. Supplément No.55. p.786. ; Sitasyon David Geggus. The Haitian Revoluttion : A Documentary History. Indianapolis, 2014. pp.33, 35.
(80) Milo Rigaud. Op. Cit. p.221.
(81) "Lettre signée Médecin, général, datée de Grande-Rivière, ce 15 octobre 1791" France. Assemblée nationale législative. Archives parlementaires de 1787 à 1860. 11 janvier 1792. p.311.
(82) Philippe R. Girard. Toussaint Louverture : A Revolutionary Life. New York, 2016. [anliy]
(83) Gaspard Théodore Mollien. Histoire ou Saint Domingue. Tome 1. Paris, 2006. p.73.
(84) Philippe R. Girard. Op. Cit.
(85) Milo Rigaud. Op. Cit. p.222.
(86) A.P.M. Laujon. Précis historique de la dernière expédition de Saint-Domingue. Paris, 1805. pp. 234-235.
(87) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti. Vol. 5. Paris, 1854. p.311.
(88) Colonel Malenfant. Op. Cit. p.235.
(89-90) Antoine Métral. Op. Cit. pp. 180-181.
(91) F. R. de Tussac . Cri des colons: Contre un ouvrage de M. l’évêque et sénateur Grégoire, ayant pour titre de la littérature des nègres. Paris, 1810. pp.228-229.

(92) Verneuil Gros. Isle de St. Domingue : Province du Nord. Paris, 1793. p.13.
(93) Michel Descourtilz . Histoire des désastres de Saint-Domingue. Paris, 1795. p.195.
(94) François-Alexandre Beau. Op. Cit.
(95) Daniel de Saint-Antoine. Notice sur Toussaint Louverture. Paris, 1842. p.24. Site nan liv Victor Schoelcher. Vie de Toussaint-Louverture. Paris, 1982. p.393.
(96) Jorge Victoria Ojeda. Tendencias monárquicas en la revolución haitiana: el negro Juan Francisco Petecou…. Mexico, 2005. pp.111.
(97) Victor Schoelcher. Op. Cit. pp.40-41.
(98) Jane Landers. "The Revolutionary Black Atlantic" In : The World of Colonial America : An Atlantic Handbook. New York, 2017. pp.393-403.
(99) Joseph Saint-Rémy. Vie de Toussaint-l'Ouverture. Paris, 1850. p.49.
(100) Jacques Thibau. Le temps de Saint-Domingue: l'esclavage et la révolution française. Paris, 1989. p.325.
(101) Sous : "The Royal Ark". URL : http://www.royalark.net/Tunisia/tunis2.htm
(102) Antoine Laurent Serpentini. Théodore de Neuhoff, roi de Corse : Un aventurier européen du XVIIIe siècle. Albiana. 2011. pp.339, 444.
(103) Jean-Claude Di Pasquale. Les fils de la liberté: les fils de Pasquale Paoli. Paris, 2007. p.150.
(104) Selon Boubacar Barry. Senengambia and the Atlantic Slave. Paris, 1998. p.xi.
(105) Sous : "SlavesVoyages.org" - Cumulatif de la traite par colonie (1501-1866) ; URL : http://slavevoyages.org/assessment/estimates
(106) Koumbouna Keïta. "Les religions traditionnelles et l'islam comme facteur d'intégration". In : Ethiopiques No. 57-58: Revue semestrielle de culture négro-africaine ; 1er et 2e semestres 1993. URL : http://ethiopiques.refer.sn/spip.php?page=imprimer-article&id_article=1177
(107) La Liberté du vendredi 18 septembre 1903. p.2. ; Le matin No.461 du lundi 12 octobre 1908. p.1.

(108) Marc Péan. L'échec du firminisme. Port-au-Prince, 1987. p.99.
(109-110) Marc Péan. Vingt-cinq ans de vie capoise : La ville éclatée (décembre 1902-juillet 1915),  Tome 3. Port-au-Prince, 1993. p.66.
(111) Wè Cousin D'Aval. Histoire de Toussaint-Louverture, chef des noirs insurgés de Saint-Domingue. Paris, 1802. p.125.
(112) Thomas Madiou. Histoire d'Haïti. Tome 3. 2e éd. Port-au-Prince, 1989. p. 172.



Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Cécile Fatiman pa t mizilman". 31 janvye 2017 ; Mizajou 25 sept. 2020. [anliy] URL: http://bwakayiman.blogspot.ca/2017/01/cecile-fatiman-pa-t-mizilman.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].

Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020