Boukman pa t rele Zamba


Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 16 oktòb 2016
(Modifye : 23 des. 2018)


Istwa Dayiti, jan yo rakonte Ayisyen yo li, se pi souvan, yon fil manti yonn dèyè lòt ke kennenpòt moun ka demanti san problèm, depi li verifye sous kote manti sa yo soti. Men, kiyès an Ayiti, apa chèche etranje, ki pral verifye sous manti sa yo, nan peyi sa ki kanpe sou yon edikasyon katolik feyodal kap kopye sistèm edikasyon peyi Lafrans te genyen nan tan koloni, kidonk, anvan refòm edikasyon ke Jules Ferry te mete (1881-1882)?
Jouk jounen jodiya, apa de premye istoryen Ayisyen nan 19 syèk yo, kidonk Baron de Vastey, Thomas Madiou, epi frè Ardouin yo (1850-60), pa gen ankenn Ayisyen ki fè yon jòf sou verite istorik peyi sa. Yo trò parese pou yo ta va al chèche nan gwo pil dokiman plen pousyè, ki se achiv yo. Istoryen oubyen "chèchè" Ayisyen sa yo, pi pito layite konesans ak entèlijans yo nan analize koze istorik ki fo, san yo pa menm rann yo kont, paske yo pa fouye ase fon.
Depi 1860 (frè Ardouin yo) jouk jounen jodiya, sèl Jean Fouchard - yon Ayisyen - te fè rechèch serye nan achiv yo. Men se te pi mal, atò. Paske, swa se malonèt li te malonèt (lè li ta vle di ke Anperè Desalin te esklav Tousen Breda (1) - alòske li te gen dokiman sou lavi Anperè a ki te fè l konnen ke se pa t vre) ; swa se enkonpetan ak achte figi etranje li t ap fè, lè li te ekzajere enpòtans islam, menm jan ak savwa kaptif (esklav) ki ta konnen islam yo te genyen nan koloni Sen Domeng la (Ayiti). Rezilta zak Fouchard yo te lakòz pi plis manti ak paròl tafya blayi. Zafè ke islam te jwe yon wòl nan istwa Dayiti a - ke n ap konbat isit la - se yonn nan yo. *


1- Ki rapò k gen ant Jean Fouchard ak Zamba Boukman?

Non "Zamba" a ke yo plake sou lestomak Boukman an, pa t ap repann toupatou, si Jean Fouchard pa t ede li repann. (2)  Fouchard, istoryen Ayisyen popilè sa, nan lane 1953, te pran "Zamba" nan yon tèks yon pè katolik yo te rele Jean Marie Jan, san li pa t verifye tèks fanatik sa, ki te chaje ak paròl degrenngòch.


1.1- Tèks Jean Marie Jan an

Ankenn tèks nan koloni Sen Domeng la pa t janm fè konnen ke Boukman te rele "Zamba". Epoutan, tout moun nan lemond antye kwè ke gwo zotobre sa te rekonèt non sa. Annou wè kijan yo nan bannann.
Se te jis nan lane 1951, ke pè Jean Marie Jan te soti yon liv ki te asosye "Zamba" ak Boukman. Liv sa te pretann ke li t ap devwale sa yon group elèv kay mè (Dames Religieuses du Cap) te wè nan lane 1791, nan moman ke Boukman ta va eseye atake lavil Cap-Français (Kap Ayisyen, konnya la). Men, jan nou pral wè, li te enposib pou yo pran "Zamba" oserye kòm non Boukman, paske liv pè a, pa t kanpe sou anyen, nan nivo istorik :




"Insurrection de 1791: En novembre 1791, les classes d'élèves vaquèrent, faute d'élèves. Pendant la nuit, on entendait ces mots incompris des blancs, chantés alternativement par une ou plusieurs voix. Le roi de la secte des Vaudoux venait de déclarer la guerre aux colons, et le front ceint d'un mouchoir rouge en guise de diadème, accompagné de la reine de la secte revêtue d'une écharpe de même couleur..." (3)

Tradiksyon :
"Levekanpe 1791 la : Nan mwa novanm 1791, klas lekòl yo te vid, paske te manke elèv. Pandan lannwit, nou tande paròl ke blan pa t konprann, ke yonn, oubyen plizyè vwa t ap chante. Wa sèk Vodou yo te vin deklare kolon yo lagè, li te mare fwon li ak yon mouchwa rouj ki fè yon kouròn (diadème), menm jan tou, Rèn sèk la te gen yon echap menm koulè a...."

a) Tèks la pretann ke lagè te deklare nan novanm 1791, alòske, an reyalite, gè a te pete nan nwa dawou ; kidonk, twa mwa anvan sa.

an) Otè tèks la te itilize fraz "Wa sèk Vodou yo", ke li te asosye ak "mouchwa rouj pou mare tèt an kouròn (diadème)". Men fraz sa yo, li te jwenn yo nan liv Moreau de Saint-Méry ki te ekri nan lane 1798. Sa vle di ke tèks li a pa t ekri vre nan lane 1791, paske li pran paròl yon teks ki te ekri 7 an pita ; kidonk 7 apre levekanpe jeneral ak lamò Boukman ki te fèt nan 1791 :




"Le Roi Vaudoux a des mouchoirs plus beaux et en plus grande quantité, et est tout rouge et qui cient son front, est son diadême. Un cordon communément bleu, archève de marquer son éclatante dignité.
La Reine vêtue avec un luxe simple, montre aussi sa prédilection pour la couleur rouge, qui est le plus souvent celle de son cordon ou de sa ceinture." (4)

Tradiksyon :
"Wa Vodou a gen mouchwa ki pi bèl epi li gen plis mouchwa, yo tou rouj epi yo mare nan fwon li an kouròn (diadème). Yon ti kòd ble te vin bay rad li anpil diyite. 
Larèn nan mete rad ki gen klas pandan li tou senp, yo tou te koulè rouj, koulè ki pi souvan koulè ti kòd ki te mare senti li."

b) Otè a avili tèt li pi plis, lè li lage fraz sila :"agitant les grelots dont était garnie une boîte renfermant une couleuvre" (pandan l ap souke ti klòch ki te dekore yon bwat ki te gen yon koulèv ladan l)  :




"Le roi de la secte des Vaudoux venait de déclarer la guerre aux colons, et le front ceint d'un mouchoir rouge en guise de diadème, accompagné de la reine de la secte d'une écharpe de même couleur, agitant les grelots dont était garnie une boîte renfermant une couleuvre, marchait à l'assaut des villes de la colonie." (5)

Tradiksyon :
"Wa sèk Vodou yo te vin deklare kolon yo lagè, li te mare fwon li ak yon mouchwa rouj ki fè yon kouròn (diadème), menm jan tou, Rèn sèk la te gen yon echap menm koulè rouj la, pandan l ap souke ti klòch (grelots) ki te dekore yon bwat ki te gen yon koulèv ladan l."

Nan ka sa, otè a pa t kopye sou Moreau de Saint-Méry. Li jwenn sa l te di a nan yon tèks Gustave d'Alaux te ekri sou Anperè Soulouque nan lane 1850, kidonk 59 an apre 1791, ki ta dwe lane yon moun ta sipoze wè lagè ki t ap fèt ak Boukman nan koloni a :




"La commotion désordonnée qui agite la tête et les épaules du roi vaudoux se transmet de proche en proche à tous les assistans. Chacun d'eux est bientôt en proie à un tournoiement vertigineux que la reine, qui le partage, entretient en agitant les grelots dont est garnie la boîte de la couleuvre. Les rires, les sanglots, les hurlemens, les défaillances, les morsures ajoutent leur délire au délire croissant de la fièvre et du tafia." (6)

Tradiksyon :
"Woywoy la ki te gen nan tèt ak zèpòl Wa Vodou yo, te blayi sou chak moun ki te nan foul la, yonn pa yonn. Chakenn nan yo te vin ap vire, ap bite, jan Larèn nan t ap souke ti klòch (grelots) yo ki te dekore bwat ki te gen koulèv la. Ri, ak rèl, ak bri, ak kilbite, ak kout dan yo, te vin pi rèd, plis tafya t ap monte yo."

Si Jean Marie Jan te rive kopye liv sa ki te ekri nan lane 1850, sa prouve ke istwa l te rakonte a pa t ka pase an 1791. Kidonk, li se boulòk. Epit tou, otè franse Gustave d'Alaux ke Jean Marie Jan te kopye la, li te pran sa l te di a nan liv Moreau de Saint Méry, pou menm rezon ak Jean Marie Jean te fè l. Men li menm, li t ap chèche kraze Anperè Soulouque, lè li te mete sou do l yon dal zak ke ki te pase 52 an anvan, nan tan koloni Sen Domeng la.


ch) Tèks Jean Marie Jan an te di ke Boukman te atake lavil Okap nan dat 22 novanm (1791) :




"Le 22 novembre fut surtout célèbre par les incendies que les révoltés allumèrent dans l'Ile, se ruant indifféremment sur tous les habitants ; armés de pieux aigus, faute de fusils. Ils parcouraient la colonie semant partout la terreur. Ils vinrent mettre le siège devant le Cap-Français." (7)

Tradiksyon :
"22 novanm nan te yon gwo dat akoz de dife ke rebèl yo te limen nan zile a, yo te lage kò yo sou tout moun ki te rete la, yo te gen pikèt fèt ak bwa, paske yo pa t gen fizi. Yo te simaye laperèz nan tout koloni a. Yo te vin bloke antre lavil Cap-Français a."

Men vwala ke Boukman, chèf rebèl, te deja mouri nan kòmansman rive nan mitan mwa novanm an, nan Lakil di Nò, kote yo te tchwe li nan konba. Epi bout tèt li te plake nan laplas piblik Okap, kote li p at janm rive pre pou l te ka atake.

d) Otè katolik la, Jean Marie Jan, pou l fè istwa l la parèt serye, te mete "le Zamba" kidonk "Zamba a" ladan l. Li pa t mete "Zamba" tankou non Boukman. Li te di "Zamba a" ke l te panse te yon grand nan Tradisyon Ginen an Ayiti :


"Au milieu des révoltés se trouvait le Zamba Boukman, les excitant à l'assaut de la caserne et du couvent qui contenaient bon nombre de jeunes filles et des colons." (8)

Tradiksyon :
"Nan mitan rebèl yo, te gen Zamba Boukman an, ki t ap chofe yo pou y al fèt dappiyan sou kazèn ak kouvan an ki te gen anpil jèn fi ak kolon nan yo."

Pè katolik la te konfonn "Zanba" (ki pa vle di anyen) ak "Sanmba" ki se yon tit osnon yon grad (ki pa ofisyèl) ke yo bay moun ki gen don chantè nan sèvis Ginen an :


"Sanba n. : Chantè, nèg rasin." (9)



e) Otè a pa t mete fren menm nan simaye tout sa l te ka jwenn sou Tradisyon Ginen an, pou l te fè dokiman degrennchòch li a pase pou vre. Se konsa, yon chante danti ke Moreau de Saint Méry, ki li menm te viv nan koloni a, te pibliye, te vin trouve l nan tèks Jean Marie Jan an :


"Les régentes des classes remarquaient bien une certaine agitation dans le coeur des négresses, agitation qui augmentait surtout après la ronde qu'elles avaient adoptée à l'exclusion de toute autre : Eh eh, Bomba. Eh eh... Canga bafio te — Canga mousse dé lé. Canga do ki la. Canga li". (10)

Tradiksyon:


"Fi ke te chèf klas yo, te remake ke kè nègès yo t ap bat fò jan yo te eksite, eksitasyon yo te monte plis apre yo te fè ronn chante ant yo sèl, san elèv blan yo te ka vin nan mitan yo : Eh eh, Bomba. Eh eh... Canga bafio te — Canga mousse dé lé. Canga do ki la. Canga li."

Malerezman, se pa t elèv lèkòl kay mè Dames Religieuses du Cap yo, men Moreau de Saint Méry ki te premye moun ki te pibliye chante danti sa nan lane 1798 :


"Le frappant ensuite légèrement à la tête avec une petite palette de bois, il entonne un chanson africain, (*) que répètent en choeur ceux qui environnent le cercle ; alors le récipiendaire se met à trembler et à danser...
(...)
(*) Eh ! eh ! Bomba, hen ! hen !
     Canga bafio té
     Canga moune dé lé
     Canga do ki la
     Canga li." (11)

Tradiksyon :
"Pandan li frape l enswit tout piti sou tèt ak yon ti bout bwa, li pran chante yon chante afriken, (*) ke moun ki nan ronn an pran repete ; se lè sa moun k ap resevwa a pran tranble ak danse...
(...)
(*) Eh ! eh ! Bomba, hen ! hen !
      Canga bafio té
      Canga moune dé lé
      Canga do ki la
      Canga li."

Menm jan ak Jean Marie Jan, otè franse Gustave d'Alaux pa t ka pa ekri chante danti sila ki soti nan koloni a. Menmsi limenm, li pa bay tèt li kredi pou li. Se konsa, jan nou ka wè, li te mete chante sa nan kouvèti yon tèks li te ekri an 1850 :





"L'ILLUMINISME NÈGRE. - LES DÉVOTIONS DE MME SOULOUQUE.
- LA CHASSE AUX FÉTICHES

Eh! eh! Bomba, hen! hen (t)!                           
Canga bafio té                                            
Canga moune dé lé                                 
Canga do ki la                                
Canga li." (12)                              

Tradiksyon :
"LIMINASYON NÈG. - DEVOSYON MADAN SOULOUQUE.
- DECHOUKAY FETICH

Eh! eh! Bomba, hen! hen (t)!                           
Canga bafio té                                            
Canga moune dé lé                                 
Canga do ki la                                
Canga li."                                  


Kidonk, si chante danti "Eh! eh! Bomba..." sa, se Moreau de Saint Méry ki te jwenn li, se pa t nan tèks li a ke Jean Marie Jan te pran li. Li te kopye sou Gustave d'Alaux ki limenm te rekonèt ke l te kopye sou Saint Méry. Men, Jean Marie Jan, menm, li te pito fè sanblan ke l te jwenn chante a nan yon istwa ki te rakonte nan lane 1791, pandan ke liv li te kopye yo te ekri plizyè ane apre dat sa.

è) Otè Jean Marie Jan - san wont ke l ye - te ranmase tout tèks ke l te ka jwenn nan liv, pou l te rann istwa l la vre. E sa l t ap chèche menm, se te desann eskanp figi revolisyon ayisyen an ansanm ak Tradisyon Zantray ki se poto mitan revolisyon sa. Pou l te ka rive kote l te vle ale a, Jean Marie Jan te mete paròl sila nan bouch Boukman : "Couté la liberté, li parlé coeur nous tous". Men, olye de nan Morne-Rouge, li di Boukman te di sa, lè li t ap atake Okap. Yon atak ki pa t janm fèt vre :


"Il leur rappelait dans ses improvisations poétiques, que les Blancs étaient maudits de Dieu, parce qu'ils étaient oppresseurs des Nègres qu'ils écrasaient sans pitié, et il terminait chaque refrain par ces mots : Couté la liberté, li parlé coeur nous tous." (13)

Tradiksyon:
"Li te fè yo sonje, ak bèl paròl li yo, ke Bondje te modi Blan yo, paske yo te toupizi moun Nwa ke yo t ap kraze san pitye, epi li fini chak refren yo ak mo sa yo : Koute lalibète, li pale kè nou tous (Couté la liberté, li parlé coeur nous tous.)"

Men tout moun rekonèt "Couté la liberté, li parlé coeur nous tous", ki se dènye liy nan poèm popilè ke Hérard-Dumesle te soti nan lane 1824 la (pa nan lane 1791). Plis moun konnen poèm popilè sa sou non "Sèman Boukman" osnon "Priyè Boukman" :



Bondié qui fait soleil, qui clairé nous en haut,
Qui soulevé la mer, qui fait grondé l’orage,
Bon dié la, zot tandé? caché dans youn nuage,
Et la li gadé nous, li vouai tout ça blancs faits !
Bon dié blancs mandé crime, et part nous vlé bienfaits
mais dié là qui si bon, ordonnin nous vengeance ;
Li va conduit bras nous, la ba nous assistance,
Jetté portrait dié blancs qui soif dlo dans gié nous,
Couté la liberté li palé coeurs nous toùs. (14)

Nan yon ansyen atik, nou te bay "Sèman Boukman" osnon "Priyè Boukman" sa kanè, paske kreyòl li a pa t jan moun nan Nò Sen Domeng (Ayiti) te pale nan lane 1791. E n ap itilize menm lojik la pou nou bay non "Zamba" sa kanè, paske li itilize menm kreyòl ki pa koresponn ak jan moun nan Nò te itilize fòm posesif yo ; kidonk, jan yo te fè konnen ke yon bagay pou yon moun. Jan nou te wè anvan, "Couté la liberté, li palé coeurs nous tous" ta dwe "Couté la liberté, li palé dans coeurs à nous tous".
Pa ekzanp, tout Ayisyen konnen chante revolisyonè sa ki di :


Grenadye alaso sa ki mouri zafè ra yo.
Nanpren manman. Nanpren papa.
Sa ki mouri, zafé ra yo.

Nan chante sila, "ra" osnon "a", montre nou ke posesyon an fèt jan moun nan Nò te konn fè li. Sa vle di, nou pa ka di ke chante sa fo. Espesyalman paske ekriti yon temwen montre li otantik. (15) Men Jean Marie Jan pa t gen "ra" ni "a" (ki se kèk nan "makè de posesyon" nan kreyòl nan Nò) nan chante ke l te pretann ke Boukman te chante a. Sa vle di ke istwa l la pa vre. Epitou, tout ekriti ki te fèt nan tan koloni a (nan Nò a) te gen "makè de posesyon" sa yo. E poutan, ankenn istoryen, jouk jounen jodiya, pa janm gen "makè" sa yo nan paròl yo vle fè pase pou sa moun nan Nò koloni a te pale. Sak fè sa? Se paske yo se ti entelektyèl pèpè, ki pa konn anyen sou basen lang kreyòl ke y ap benyen ladan l an.

en) Nan dènye pati sa, nou pral wè jouk ki bò odas te mennen prèt katolik Jean Marie Jan an. Entolerans relijyon ansanm ak rayisman pou moun Nwa te sitèlman gwo sou eskanp lestomak li, ke li te pèdi kat marenn li pou l te rive jouk ka dekalre ke Prensès Améthiste, pitit fi Wa Henry (Christophe) ak Larèn Reine Marie-Louise, te yon milatrès, pandan ke okenn nan granmoun Prensès la pa t blan. Apresa, otè a fè konnen ke Prensès la te chèf yon bann fi tatalolo, ki te vin atake Okap prèske toutouni :


"Princesse Améthyste : Une ancienne élève, des plus intelligentes, appartenant à la classe de mulâtres, devenue plus tard le chef d'une compagnie d'Amazones, et connue dans l'histoire sous le nom de Princesse Améthyste, initiée à la secte des Ghioux ou Vaudoux, sorte de maçonnerie religieuse et dansante, introduite par les nègres Aradas à Saint-Domingue, entraîna dans la secte bon nombre de ses compagnes." (16)
Tradiksyon :
"Prensès Améthyste : Yon ansyen elèv, yonn nan pi entèlijan yo, ki te fè pati de klas milat la, te vin pita chèf yon bann Amazon [fanm solda], li pi popilè nan istwa sou non Prensès Améthyste, li se yon initye nan sèk Ghioux ak Vodou, yon jan de franmason ki gen relijyon ak danse, ke nèg Arada te mennen nan Sen Domeng, li te rale yon bon kou nan kondisip li yo nan sèk sa."  

Men domaj pou otè katolik la, te gen l'Almanach Royale ki te pibliye nan Wayom nan, e ki fè nou konnen ke Prensès Améthiste pa t menm fèt nan lane 1791. Li te fèt 7 an pita, jounen 9 Me 1798. Epi granmoun li, ki te vin Wa ak Rèn an, pa t ankò menm te marye nan lane 1791. Yo vin fè sa an 1793. Epitou, manman Prensès Améthiste, Larèn Marie-Louis ki te fèt an 1778, te senpman gen 13 an nan lane 1791. Kidonk, kouman l te ka deja gen pipit ki te fini lekòl pou l te vin yon chèf bann rebèl? Tout kesyon sa yo montre kijan istwa pè katolik la te rakonte a, pa t gen ni tèt, ni pye. Men istoryen Ayisyen yo, tankou Jean Fouchard, sitèlman tèt mato, ke yo sitire tenten sa yo nan figi moun :

 "DE LA FAMILLE ROYALE.
SA Majesté HENRY, Roi d'Hayti, né le 6 Octobre 1767, sacré et couronné au Cap-Henry, le 2 Juin 1811, marié le 15 Juillet 1793, à
Sa Majesté MARIE-LOUISE, Reine d'Hayti, née le 8 Mai 1778, sacrée et couronnée au Cap-Henry, le 2 Juin, 1811. Du mariage de leurs Majestés :
S. A. R. Monseigneur JACQUES-VICTOR-HENRY, né le 3 Mars 1804, Prince Royal d'Hayti.
S. A. R. Madame FRANÇOISE-AMÉTHISTE-HENRY, Madame Première, née le 9 Mai 1798.
S. A. R. Madame ANNE-ATHÉNAÏRE-HENRY, née le 7 Juillet 1 800." (17)


Tradiksyon :
 "FANMIY WAYAL LA.
Majèste Li HENRY, Wa Ayiti, fèt 6 Oktòb 1767, sakre epi kouronnen nan lavil Kap-Henry, jounen 2 Jyen 1811, marye 15 Jilyè 1793, ak
Majèste Li MARIE-LOUISE, Rèn Ayiti, fèt 8 Me 1778, sakre epi kouronnen nan lavil Kap-Henry, jounen 2 Jyen 1811. Li fè, nan maryaj li, Majèste sila yo :
A. W. L.** Monsenyè JACQUES-VICTOR-HENRY, fèt 3 Mas 1804, Prens Wayal Ayiti.
A. W. L. Madam FRANÇOISE-AMÉTHISTE-HENRY, Madam Premyè, fèt 9 Me 1798.
A. W. L. Madam ANNE-ATHÉNAÏRE-HENRY, fèt 7 Jilyè 1800."
Me yon pòtre Prensès Améthiste (nan mitan). Gen anpil chans ke pòtre sa te fèt nan dat 1815, lè Richard Evans, pent ofisyèl Kouwòn an, te fè pòtre Wa Henry, papa Améthiste. Prensès Améthiste te fèt nan lane 1798. Kidonk, li te gen 17 an nan 1815. Ti sè li, Prensès Athénaïre te gen 15 an, epi Prens Victor te gen 11 an, nan ane pòtre sa te fèt. Èske sa se pòtre yon jèn ki ta kouri soti nan klas li, pou l al djaye, tòs ni, nan lari Okap, pandan l ap chante betiz?


(Prensès Améthiste ak frè e sè li)
Sous : Pòtre (ki pa sètifye) ke Richard Evans te fè nan lane 1815. ; Alexander Gallery, New York.

Natirèlman, se pa t sa. Anplis, Prensès Améthiste pa t janm etidye nan vil Okap. Li ak sè l te resevwa klas yo, nan men 2 pwofesè fi Ameriken, dirèkteman nan palè wayal yo nan Sansousi (Milo). E menm apre Wayòm nan te tonbe, pwofèsè yo ki te retounen Filadèlfi, te rekonèt Prensès Améthiste, pa tankou yon devègonde, jan istoryen enkonpetan, neglijan oswa malonèt yo ap plede di l, men tankou yon jèn fi byen elve epi ki te fè pwogrè nan klas. (18)
Jan nou te wè li, istwa ki te pale de "Zamba" a pa t kanpe sou anyen. Sa vle di, nou pa ka pran non "Zamba" a oserye. Epitou, Jean Marie Jan, pa t menm te prezante "Zamba" kòm non Boukman. Sa pa t ap rapòte li anyen, si Boukman te rele Zamba oubyen kennenpòt lòt non. Sa l te bezwen, se te montre ke istwa l te envante a, te rive tout bon vre. E pou sa, "Zamba" te sèvi li de prèv. Kidonk, lè li te bay Boukman grad "Zamba" sa, ke li te panse k te ekzitse nan Tradisyon Ginen an, li te konprann li te make yon pwen, alòske se "Sanmba" yo di nan Tradisyon Ginen an. Kidonk, se sèlman lè pè a te plase Boukman kòm yon chèf danti, ke li ta ka itilize grad sa pou li te kraze sivilisayon Ginen an ke Boukman te goumen ak mouri pou li a, nan levekanpe kont loksidan kretyen ki t ap toupizi moun Nwa, e ke Jean Marie Jan te reprezante ak fyète.


2- Orijin Zamba ak tèks Gustave d'Alaux la

Sipozisyon nou an ke Jean Marie Jan te abitye ak ekriti Gustave d'Alaux yo te vre. Prèv la chita nan lefètke Gustave d'Alaux, ki se yon diplòmat franse malveyan, ki te enterese nan istwa Ayiti, li te premye ki te konfonn mo kreyòl "samba" (sanmba) a ak "zamba" (zanmba), lè li t pa pale de yon mèt chantè tradisyonalis. Depi nan lane 1850, nan inyorans, Gustave d'Alaux te defini "zamba" nan fason sila :

"… thème ou de refrain aux satires du zamba. — Qu'est-ce que le zamba? C'est d'abord un devin, c'est ensuite un ménétrier-compositeur, c'est en troisième lieu, un poète de profession : triple spécialité qui en fait l'homme indispensable des fêtes nègres; car il n'y a pas ici de fêtes sans sorcellerie, pas de sorcellerie sans danse, pas de danse sans chanson. Le vrai zamba, celui dont un proverbe dit : C'est douvant tambour na connait zamba (1), le vrai zamba improvise séance tenante, et pendant un temps indéterminé, paroles, air et accompagnement en adaptant l'air au rhythme particulier de chaque figure, et les paroles à la position publique ou privée d'une ou de plusieurs des personnes présentes.
(...)
(1) "C'est devant le tambourin qu'on connaît le zamba." (À l'oeuvre, on connaît l'ouvrier.)" (19)
Tradiksyon :
"...yon tèm oswa yon refren nan dal espektak griyendan zamba a. — Ki sa ki zamba a?" Li se premyeman yon divinò, li apresa yon konpozitè nan komedi, epi twazyèmman, li yon powèt kòm metye : espesyalite trip sila ki fè li yon moun endispansab nan fèt Nèg yo, paske isit la, pa gen fèt san majik, pa gen majik san dans, pa gen dans san chante. Bon jan zamba a, se de li yon pwovèb di : C'est douvant tambour na connait zamba (1), bonjan zamba a enpwovize pandan l ap chante, epi pandan yon tan ki pa kalkile, li adapte mo yo, lè a ak akonpayman an nan ritm espesyal chak moun, epi mo yo nan pozisyon piblik oswa prive yon grenn moun oswa plizyè moun ki nan foul la.
(...)
(1) "Li douvan tanbou yo konnen zamba a." (Yo rekonèt travayè a nan kalte travay li.)"
Apresa, Gustave d'Alaux te vin jwenn enfòmasyon nan men Ayisyen ke mo "zamba" a pa t egziste nan Kreyòl ayisyen an. Alèkile, nan piblikasyon apresa a, ke li soti an 1852, li te gen ase sajès pou l te ranplase "zamba" pa "samba" :
(...)
"Pour ces dames trop positives,bien que littéraires à leur façon, car elles cultivent le carabinier,le plus enthousiaste imitateur des Méditations ou des Orientales n'est, en un mot, qu'une manière de grand fainéant, que l'abus du «papier parlé» et le manque de gaieté, la rareté du mot pour rire, distinguent seuls, non à son avantage, du samba vagabond qui fait la joie et l'orgueil des tonnelles.
(...)
Ce n'est point, par exemple, la faute des chroniqueurs de la première période (celle qui finit au livre de M. Dumesle), si nous ne prenons pas les chefs de l'insurrection noire de 1791 pour autant de Spartacus développant en style humanitaire, à quelque cent mille nègres imbus des principes de l'Encyclopédie, la théorie des droits de l'homme. Substituez à la théorie les dictons de l'atelier, remplacez Spartacus par le premier samba gouailleur qui, au bruit des coups de fouet, chantonna sournoisement ce refrain : Bâton qu'a batte chien noir batte chien blanc..." (20)
Tradiksyon :
"Pou medam sa yo ki twò pozitif,—menmsi si yo konn f; literati nan mannyè pa yo, paske yo gen koutim carabinier a—pi cho ak pi gran imitatè Meditasyon yo oswa koutim Oryantal yo, se jis, nou ka di, yon lòt fason pou fè parese nètalkole, ke abize "pale papye" a epi manke lajwa a, rate nan mo pou fè ri yo, yo sèlman ki distenge, men pa nan avantaj li, samba vakabon an ki simaye kè kontan ak fyète amba tonèl yo.
(...)
Li pa, pa egzanp, fòt kronikèr yo nan premye peryòd la (ki fini ak liv Mesye Dumesle la), si nou pa pran lidè nan rebelyon nwa yo nan 1791 la, pou kèk Spartakis ki devlope yon stil imanitè, pou kèk santèn mil Nèg ki te konnen prensip nan Ansiklopedi a, teyori dwa moun an. Ranplase teyori a pa pawòl nan atelye a, ranplase Spartakis pa premye samba djòlè, nan bri kout frèt yo, t ap chante refren sila anba chal : Bâton qu'a batte chien noir batte chien blanc..."
Gustave d'Alaux te kenbe menm direksyon an, nan lane 1859, li te kontinye ekri "samba", nan referans a yon tradisyonalis ki maton nan chante ak enpwovize :
"Dans la délibération nocturne qui eut lieu à ce propos, et à laquelle avaient été conviés tous les philosophes (beaux diseurs) des mornes et tous les sambas (improvisateurs) de la plaine, un vieux noir, qui n'était ni philosophe ni samba, mais simplement jardinier, et, comme tel, directement..." (21)
Tradiksyon :
"Nan deba nan lannwit la ki te fèt sou koze sa, e poutèt sa yo te envite tout filozòf (bon rakontè) ki soti nan mòn yo ak tout samba (enprovizatèr) yo ki soti nan plenn nan, yon vye granmoun nwa, ki pa t ni yon filozòf ni yon samba, men te senpleman travay nan jaden, epi, antanketèl, dirèkteman..."
Kidonk, Gustave d'Alaux ki te byen antoure tèt li ak enfòmatèr, te konnen ki jan pou l korije tèt li. kanta pou Jean Marie Jan, li evidamman pa t gen chans sila. Paske, fò k se ta va ekriti nou an, anpil deseni pita, pou ta finalman voye yon kout je kritik ak enfòme sou tèks li a.


* An 1953, Jean Fouchard te pibliye Les Marrons du Syllabaire (22), yon liv ki te popilè anpil. E nan liv sa, jan nou te di l deja, li te ekzajere enpòsans kaptif ki te konn islam nan koloni Sen Domeng la (Ayiti). Kèk ane pita, Gerson Alexis (23), ki te li yon atik ke pè Carl E. Peters (24) te fè nan Balan (Nò Ayiti), te jwenn enspirasyon pou l te prouve ke moun Balan te mizilman, malgre ke yo t ap pratike yon relijyon senkretik (kidonk, yon melanj Tradisyon Ginen ak kèk moso katolik), bagay ki pa mache ak islam. E pi plis pase 20 an pita, yon blan franse yo rele Gérard Barthélémy (25) te itilize tèks Alexis Gerson Alexis te ekri sou Balan, pou li te fòje lòbèy ke Bwa Kayiman te islamik la.
** A. W. L. (Altès Wayal Li).



Referans
(1) Jean Fouchard, Marie-Antoinette Menier, Gabriel Debien. « Toussaint Louverture avant 1789, légendes et réalité » in : Conjonction: Revue Franco-Haïtienne, n° 134 (1977), pp.65-80. Cité dans "Toussaint Louverture et l'indépendance d'Haïti : témoignages pour un bicentenaire" éditè Jacques de Cauna. Paris, 2004. pp.61-67.
(2) Jean Fouchard. Les marrons du syllabaire. Port-au-Prince, 1953. p.40
(3) Mgr. Jean Marie Jan. Congrégations religieuses à Saint-Domingue, 1681-1793. Port-au-Prince. 1951. p.224.
(4) Moreau de Saint-Méry. Description topographique, physique, Tome 1, Philadelphie, 1798. p.47.
(5) Mgr. Jean Marie Jan. Op. Cit. pp.224-225.
(6) Gustave d'Alaux. Faustin Soulouque et son Empire. in : Revue des Deux Mondes. Tome 8, Paris, 1850. pp.1042-1043 ; Réédition, Paris, 1860. pp.67-68.
(7) Mgr. Jean Marie Jan. Op. Cit. p.224.
(8) Mgr. Jean Marie Jan. Op. Cit. p.225.
(9) Prophète Joseph. Dictionnaire Haïtien-Français, Français-Haïtien. Montréal. 2003. p.100.
(10) Mgr. Jean Marie Jan. Op. Cit. p.225.
(11) Moreau de Saint-Méry. Op. Cit. p.49.
(12) Gustave d'Alaux. Op. Cit. 1851. p.1041 ; Réédition, Paris, 1860. p.63.   
(13) Mgr. Jean Marie Jan. Op. Cit. p.225.
(14) Hérard-Dumesle. Voyage dans le Nord d'Hayti ou révélations des lieux et des monumens historiques. Cayes, 1824. p.88.
(15) Jean Baptiste Lemonnier-Delafosse. Seconde campagne de Saint-Domingue, du 1er décembre 1803 au 15 juillet 1809. Havre, 1846. p.85.

(16) Mgr. Jean Marie Jan. Op. Cit. p.225.
(17) Almanach royal d'Hayti pour l'année bissextile 1820. l'Imprimerie Royale, Sans-Souci. p.33. URL: https://books.google.ca/books?id=CJtjAAAAcAAJ&pg=PA3&source=gbs_selected_pages&cad=2#v=onepage&q&f=false

(18) ‎Earl Leslie Griggs, Clifford H. Prator. (ed). Henry Christophe & Thomas Clarkson: A Correspondence. Berkely, 1952. pp.48-49.
(19) Gustave d'Alaux. "Les Moeurs et la littérature nègres." In : La revue des deux mondes. Volume 8. Paris, 1850.  pp.762-794.
(20) Gustave d'Alaux. "La littérature jaune (II)". In :  Revue des deux mondes, Tome 16. Paris, 1852.pp. 1048-1085.
(21) Gustave d'Alaux. "La Révolution Haïtienne de 1859 : Chute de l'Empereur Soulouque. Le président Geffrard". In :  Revue des deux mondes, Tome 23. Paris, 1859. pp.341-392.  
(22)  Jean Fouchard. Op. Cit. 1953.
(23) Gerson Alexis. « Aperçu sur les Mandingues haïtiens », in : « Lecture en anthropologie haïtienne », Port-au-Prince, 1970. pp.173-185.
(24) R.P. Carl Édouard Peters. « Société mandingue », in : Revue de la Faculté d'ethnologie. No. 10. Port-au-Prince, 1965. pp.47-50.
(25) Gérard Barthélémy. "Propos sur le Caïman: Incertitudes et hypothèses nouvelles" in: Chemins Critiques, Vol. 2. No3, Mai, 1992. pp.33-58.



 
Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Boukman pa t rele Zamba". 16 oktòb 2016 ; modifye 23 des. 2018.
[anliy] URL: http://bwakayiman.blogspot.ca/2016/10/boukman-pa-t-rele-zamba.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi. 

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020