Dede Magrit pa t mizilman

Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 5 mas 2017
(Mizajou : 10 mas 2017) 

San okenn dout, revizyonis mizilman oswa kretyen yo pa kite anyen anpeche yo fè dappiyan sou revolisyon ayisyen an, pou yo ka fè kennenpòt moun ki pa Ayisyen kado li. Yonn nan eroyin ki sibi frekansite revizyonis yo, se Dede Magrit, yon kokennchenn Manbo (kidonk yon fanm ki gwo dirijan nan Tradisyon Zansèt Ayiti a). Lefèt ke li te Manbo k te fonde yon Lakou (sant relijyon zantray), pa t anpeche revizyonis yo deklare l "mizilman" :
"Are they many Islamic influences in Vodou today?" asks Jim.
I am going to advance eight points to show Islamic presence in Vodou and let you judge for yourself.

(...)
Dede Magrit was the name of the founder of the famous hounfo "Nan Kanpech" that dates from the time of Independence. Dede is usually perceived today as a Manbo because of her feminine name but in Arabic, Dede means: "father, ancestor, grandfather". King Henri Christophe, it is said, was very wary of her (or his?) activities and kept a constant watch on the hounfo from the Citadelle. It would be more understandable if, in reality, Dede Magrit was a man since at that time Moslems were reputed to be great warriors and could have been seen as a threat to the Northern Kingdom of Haiti.
(...)
As time passes, it becomes hard to distinguish the origin of certain rituals probably because it is totally negligible to the practice of Vodoun. However, our religion being basically an ancestral religion doesn't forget those who were the precursors of our Independance." (1)
Tradiksyon :
"Eske gen anpil enfliyans Mizilman nan Vodou jodi a? " mande Jim.
Mwen pral bay wit pwen pou m montre prezans Islam nan Vodou epi m pral kite w jije pou tèt ou.
(...)
Dede Magrit te non fondatè hounfo popilè "Nan Kanpèch" la ki date depi nan tan Endepandans la. Yo wè Dede jodi a tankou yon Manbo poutèt non fanm li genyen a, men nan lang Arab, Dede vle di : "papa, zansèt, granpapa". Wa Anri Kristòf, yo di, te sispèk anpil de aktivite fi (oswa gason?) sa, epi msye te kenbe yon siveyans manch long sou hounfo a apati de Sitadèl la. Li ta fè plis sans, si, an reyalite, Dede Magrit te yon gason akoz ke nan tan sa, Mizilman yo te gen repitasyon gwo sòlda epi li te ka wè sa tankou yon menas pou Wayòm Nò Ayiti a.
(...)
Ak le tan, li vin difisil pou yo fè distenksyon ant orijin kèk pratik, pwobableman paske li [yo] neglijab nan pratik vodoun la. Sepandan, relijyon nou, akoz ke li fondamantalman yon relijyon zansèt, pa bliye moun ki te kòmanse endependans nou an."
Nou te wè ke, san wont ke l ye,  revizyonis sa a pa t ezite chanje sèks Dede Magrit, jis pou l te ka fè li mache ak "Dede" arab li a ki ta vle di "papa, zansèt, granpapa", dapre li.* Apre sa, li te revele sa l t ap chèchè toutbonvre a,  lè l te fè konprann nan manti ke "Mizilman yo te gen repitasyon gwo sòlda"**, epi yo te "moun ki te kòmanse endependans nou an.".


Kiyès Dede Magrit te ye?

Pandan lane yo, enfòmasyon sou Dede Magrite te soti sitou nan men dirijan tanp istorik Nan Kanpèch la (tou pre lavil Okap, nan Nò Ayiti) ke li te fonde. Malgre ke enfòmasyon sa, se nan bouch li soti, li kenbe yon konsistans ki montre ke se verite. Enfòmasyon sa di nou, klèman ke

1) Dede Magerit te yon fanm toubonvre,  bon non li te, kwè m si w vle, Marguerite Jean Vodou:

"Sangosse, renvoyé à La Coupe-à-David par le roi, devient, peu après, son conseiller. Il devient même un des constructeurs du fameux centre voudoo de Nan Campêche, où il est, sur la demande expresse de Christophe, associé à Marguerite Jean Vodou (Dédé Marguerite)." (2)
Tradiksyon :
"Sangosse, ke Wa a te voye tounen nan Lakoupadavid (La Coupe-à-David), te vin, yon ti tan apresa, konseye li. Li te menm vin yonn nan fondatè gwo sant voudoo Nan Kanpèch la, kote, li te, nan demann dirèk Kristòf, asosye ak Marguerite Jean Vodou (Dédé Marguerite)."
Fò nou konprann ke Bebe Pierre Louis, entelektyèl ayisyen an, te gade nan tinon Madan Vodou, ke li pa t wont eseye fè vin mizilman. Men, li pa t gen tan pou l te verifye bon non li.


Tinon "Dede" a

2) Anplis, tinon Dede a pa yon siy de yon relasyon ak islam kote li ta vle di "papa". Se pa sa menm. "Dede" te yon tinon yo te konn itilize nan koloni Sendomeng (Ayiti) a, pou yo rele yon granmoun fi ki gen pouvwa senkretik, kidonk relijyon zantray mele ak katolik :

"Ce serait inutilement que la religion chercherait à détruire toutes ces superstitions. Les Dédés, ou vieilles femmes, les perpétuent et ne souffriraient pas qu'on y touchât. C'est à ces béguines ["Les béguines de Belgique sont des femmes vivant en communautés catholiques très austères, sans toutefois prononcer les voeux comme de religieuses" (note de l'éditeur)] que l'on doit encore le respect pour la sanctification du vendredi. Rien ne commence ce jour-là. Les Dédés sont communément des négresses âgées, qui, devenues vertueuses et très catholiques par impuissance de plaire, passent les derniers jours de leur vie dans le jeûne et la prière. Ces vénérables matrones ont charge d'âmes. Ce sont elles qui préparent les jeunes à la communion, et, ensuite au mariage et au placement. Un curé n'a de force qu'autant qu'il leur convient. Il faut qu'il ait une foi aussi absurde que la leur. Elles ont le peuple pour elles, et on ne peut disconvenir qu'elles sont d'autant plus dignes de la vénération que leur grand âge n'est pas une raison d'être sage dans un pays où il y a beaucoup de vieux libertins.
La puissance des Dédés a pour rivale celle des parrains et surtout des marraines. Un parrain, une marraine, sont plus que père et mère. Qui oserait se marier ou se placer sans leur consentement?" (3)
Tradiksyon :
"Li ta initil pou relijyon al chache detwi tout sipèrstisyon sa yo. Dede yo, oswa vye granmoun fi yo, kenbe yo epi ki pap kite moun manyen yo. Se beguines (begin) sa yo ["beguines yo, se fanm Bèljik, k ap viv nan kominote Katolik ki di anpil, men san yo pa fè pwomès tankou mè yo" (nòt piblikatè a)] ki mete respè pou lajounen vandredi a. Pa gen anyen ki ka pase nan jou sa. Dede yo, se pi fò tan, granmoun fi nwa, ki vin viv yon lavi san fot epi ki vin katolik anpil paske yo pa rive fè fen, epi yo pase dènye jou nan lavi yo nan fè jèn ak lapriyè. Se chèf fi sa yo, ke yo venere, ki responsab nanm yo. Se yo menm ki te prepare jèn moun pou kominyon, maryaj ak plase. Yon pè gen fòs sèlman lè l fè afè yo. Li dwe gen yon lafwa ki pa gen sans menm jan ak yo. Yo gen pèp la pou yo, epitou, nou pa ka demanti ke yo plis merite pou yo venere yo akòz de laj avanse yo, menmsi sa pa yon prèv ke yon moun gen sajès nan peyi sa ki gen anpil granmoun devègonde.
Pouvwa Dede yo nan men nivo ak pa parenn yo ak espesyalman pa marèn yo. Yon parenn, yon marenn, se plis pase papa ak manman. Kiyès moun ki ta oze marye oswa plase san konsantman yo?"

"Dede", yon non leta

3) Plis pase yon tinon ki te gen yon sans mistik nan koloni Sendomeng la ak nan Ayiti, lè li te fèk endepandan, "Dede", dapre Jeannot Hilaire, te sèvi (oswa sèvi) kòm bon jan non leta nan Ayiti modèn. E kòm "non pwòp", kidonk non lete, "Dede", yo bay fi li :

"Dede, ewelguang = nom propre attribuée à la première fille (D. Westermann 1905/54). - En Haïti, Dede = nom propre également utilisé pour les filles; difficile d'affirmer si c'est rigoureusement à la première fille! " (4)
Tradiksyon :
"Dede, ewelguang = non pwòp, [kidonk non leta] te bay premye pitit fi a (D. Westermann 1905/54). - An Ayiti, Dede = non pwòp yo itilize tou pou piti fi; difisil a di si sa se senpman pou premye pitit fi a!"

Konfli ant Dede Magrit ak Wa Anri?

4) Dede Magerit pa t gen yon relasyon chire pit ak Wa Anri, yo abitye rele Kritòf. Okontrè, li te konsèye Wa a :
"La célèbre mambo du roi Christophe, Dédé Magrit', fut enterrée dans la cour du temple de « Lan Campêche », à quelques kilomètres du Cap Haïtien. Pendant la campagne anti-superstitieuse, son tombeau fut violé et ses restes dispersés. « Lan Campêche » reste cependant un des hauts lieux du vaudou." (5)
Tradiksyon :
"Manbo popilè, wa Kristòf la, Dede  Dede Magrit', yo te antere l nan lakou a tanp "Lan Kanpèch" la, ki kèk kilomèt Kap Ayisyen. Pandan kanpay anti-sipèstisye a, yo te kraze kavo li epi yo te gaye zo li. "Lan Kanpèch" rete yonn nan gwo Lakou vodou." 
Epi, yo abitye di ke, Dede Magrit te konn akonpaye Wa l nan batay  :

 "Marie-Jeanne qui ne quittait jamais sa machette ou Dédé Magrit qui accompagnait Christophe dans les batailles qu'il livrait pour créer une société nouvelle!" (6)
Tradiksyon :
"Marie-Jeanne ki pa janm kite manchèt li sou kote oswa Dede Magrit ki te konn akonpaye Kristòf nan batay ke li t ap fè pou l te kreye yon sosyete nouvo!"
Dede Magrit ki akonpaye Wa Anri nan batay, se yon taktik nan premye tan revolisyon an. Se pa t taktik ki te fèt pita lè Anri te vin Jeneral***. Pa mank de dokiman ekri ki montre evenman sa, nou pa ka di si pawol sa ke yo repete anpil la vre ou pa.

Wa Anri te enkwete l de Dede Magrit?

5) "Wa Anri Kristòf, yo di, te sispèk anpil de aktivite fi (oswa gason?) sa, epi msye te kenbe yon siveyans manch long sou hounfo a apati de Sitadèl la."  Revizyonis la vle pale de pozisyon Nan Kanpèch, Lakou Dede Magrit la, ki chita anfas Sitadèl Anri a. Men pozisyon Lakou sila gen plis arevwa ak yon alyans mistik ke yon pozisyon rayisab. Se rezon k fè anpil chèchè tankou Milo Rigaud, di ke Nan Kanpèch te bati pa lòd Wa a :
Il [le Houngan Louis Sangosse] devient même un des constructeurs du fameux centre voudoo de Nan Campêche, où il est, sur la demande expresse de Christophe, associé à Marguerite Jean Vodou (Dédé Marguerite). (7)
Tradiksyon :
"Li [Houngan Louis Sangosse] te menm vin yonn nan fondatè gwo sant voudoo Nan Kanpèch la, kote li te, nan demann dirèk Kristòf, asosye ak with Marguerite Jean Vodou (Dédé Marguerite)."
Yon lòt fwa, nou poze sou zafè lòd Wayal a, paske menm otè a te enfòme nou ke teren k te itilize pou bati Lakou a, se achte l Dede Marguerite te achte l. Si se te vre, gouvènman Wayal la ta ka annik peye teren sa :
"Le maître occulte de Nan Campêche est l'ange Papa Pierre Bangui Bah-sih-cò et le mystère qui commanda à Dédé Marguerite d'acheter la terre est Zaca Ma-sò-cò. Dans les archives secrètes du bagui existent des lettres signées des plus hautes personnalités de l'histoire d'Haïti signalant leur fidélité et leur générosité envers le centre : Dessalines, empereur d'Haiti ; Christophe, roi d'Haïti ; Florvil Hyppolite, président d'Haiti... Le roi Christophe avait même donné au oum'phor de Nan Campêche une autorisation éternelle d'y célébrer les mystères - autorisation malheureusement perdue et qui, d'ailleurs, a été, par la suite, injustement révoquée par les chefs d'Etat qui l'ont suivi au pouvoir." (8)
Tradiksyon :
"Mèt kay Nan Kanpèch la, se Jany Papa Pyè Basikò, epiki Mistè k te bay Dede Marguerite lòd achte tè a, se Zaka Masòkò. Nan achiv sekrè bagi a, gen lèt ki te siyen pa pi gwo pèsonalite nan istwa Ayiti, pou yo te montre fidelite yo ak jenerozite pou Lakou a : Desalin, anperè Ayiti ; Kristòf, wa Ayiti ; Florvil Hyppolite, prezidan Ayiti… Wa Kristòf te menm bay oumfò Nan Kanpèch a yon otorizasyon etènèl (kidonk pou jouk tan gen tan) pou yo selebre mistè yo - otorizasyon sa, malerezman pèdi epi ke, detoutfason, chèf leta ki te swiv yo, te,  sispann li, nan enjistis."
Ki sa ki sanble plis pwobab pou nou, se ke, Jany yo te voye Dede Marguerite bati Lakou mistik li poukont li, menmsi li manmzèl te pran otorizasyon Wayal anvan l bati. Men sa, se pa yon prèv solid ke Dede Magrit te gen yon bon konpreyansyon ak Wa a ke yo di k te otoritè. Prèv ki pi byen montre afeksyon Dede Magrit a Wa li, nou jwenn li, nan pozisyon tanp mistik la, men nan pozisyon kavo Dede Magrit :
"Dans la cour même du bagui de Nan Campêche, existe encore la tombe de Dédé Marguerite, qu'on honore comme un ange, comme un mystère, comme une loa. La tombe est placée de manière que ceux qui la visitent puissent voir, à la fois, la Citadelle Laferrière construite par Christophe sur le sommet du Bonnet-à-I'Evêque, en se tournant vers le Sud-Est. Cette disposition existe de par la volonté même de Christophe." (9)
Tradiksyon :
"Menm nan lakou bagi Nan Kanpèch la, jouk jounen jodiya, gen tonb Dede Marguerite, ke yo onore tankou yon jany, yon mistè, yon lwa one honors as an angel, as a mystery, as a loa. Tonb la plase yon jan pou vizitè yo ka wè, anmenmtan, Sitadèl Laferrière ke Kristòf te bati nan tèt mòn Bonètalevèk (Bonnet-à-l'Evêque), nan direksyon Sidès. Pozisyon sa fèt jan Kristòf te vle l la."
Milo Rigaud, otè a, fè erè sou 2 pwen. Premye a, se ke Desalin, ke yo te sasinen nan 1806, pa t ap ka montre jenewozite pou Lakou sa ki te bati pandan Rèy Anri, siksesè li (1806-1820). Dezyèm pwen an, se osijè de pozisyon kavo Manbo Dede Magrit la ke, Rigaud te di, Wa a te chwazi. Sepandan, Madan Durand, ki responsab Lakou Nan Kanpèch la, temwaye ke, okontrè, Dede Magrit te chwazi pozisyon kavo l la pèsonèlman - ak tout libète. Nou panse, san okenn prèv sou sa, ke kavo a te bati apre lanmò Wa Anri ansanm ak kaba Wayòm li a :

 "À peine arrivé au temple de Nan Campèche, je suis reçu par une Mambo.  « Madame Durand » me raconte l'origine étrange de son sanctuaire, qu'elle a surnommé : "l'Archange la fleur de rose" :   « C'est D.D. Magritte qui a fondé Nan Campèche. Cette demoiselle avait disparu dans l'eau. (…) Avant de mourir, elle a dit que c'est là qu'on devait l'enterrer. On a fait un caveau et on l'a enterré… »" (10)
Tradiksyon :
"Apènn mwen te rive Lakou Nan Kanpèch la, yon Manbo te resevwa m. "Madan Durand" rakonte m orijin etranj Lakou li sa, ke li bay tinon "Akanj flè roz" ("l'Archange la fleur de rose") : "Li se Dede Magrit ki te bati Nan Kanpèch. Demwazèl sa te disparèt anba dlo (...) Anvan li mouri, li te di ke se la pou yo tere l. Yo te fè yon kavo, epi yo tere l..."

 

 Tinon Lakou Dede Magrit la

6) Lefèt ke Lakou Dede Magrit te gen tinon "Akanj flè roz" ****, montre ke rit li t ap pratike a te senkretik (kidonk melanj katolik ak relijyon zantray). E jan nou te wè sa pi wo, "Dede" yo te konn travay nan kolaborasyon ak pè Katolik yo ke yo te kontwole.
"Akanj flè roz" sila, li pale de Barachyèl (Barachiel), yon akanj nan legliz Otodòks (ki pa mizilman), ki gen misyon pran lapriyè moun, epi fè l rive jwenn Bondye. Barachyèl (ke non li vle di "benediksyon Bondye") (11) , yo asosye li ak flè roz, ki se senbòl favè Bondye k ap blayi. Anpil fwa, yo montre Barachyèl tankou yon fanm :

"Archange Baraquiel", Bartolomé Román.  (Museo del Prado). 
Sous : https://www.know.cf/enciclopedia/fr/Barachiel

Konsa, akanj sa te gen fòm fi, epi li sèvi yon entèmedyè ant Kreyatè a ak tout sa k ap viv. De kondisyon sa yo fè li sanble anpil ak wòl entèmedyè ke Jany oswa Lwa yo jwe nan tradisyon zantray la. Sa ta dwe mache ak sansiblite senkretik Manbo Marguerite Jean Vodou, yo te bay tinon Dede Magrit, oswa omwen li te mache ak sansibilite Manbo Madan Durand.

Ka Houngan Louis Sangosse la 

7) Finalman, revizyonis Bebe Pierre-Louis a te fè konprann ke kennenpòt pwoblèm ki yon lidè relijye te genyen ak leta, lidè sa ta dwe otomatikman yon Mizilman. N ap reponn lòbèy sa ak istwa Houngan Louis Sangosse, ke Wa Anri te voye rele, akòz de yon enkonpreyansyon. E nan pale yo t ap fè, Wa a te sijere l mete ansanm ak Dédé Marguerite :
"LOUIS SANGOSSE et MARGUERITE JEAN VODOU
Louis Sangosse, houn'gan de La coupe-à-David (environ du Cap-Haïtien), fut arrêté par la police du roi Henri Christophe qui lui reprochait de battre le tambour trop souvent. Dès que Sangosse comparait devant Christophe, il est « monté » par le mystère voudoo Papa So-sih Baderre (Saint Joseph) qui s'adresse ainsi au roi : « Vous avez deux poules-à-Joli, l'une bonne, l'autre mauvaise. Vous allez tomber du trône, car vous vous croyez Dieu. Quand l'orage du ciel gronde. Vous lui répondez en faisant tirer, par vos artilleurs, le canon Manman Pim'bha pointé sur le firmament. Or, comme moi, votre nom caché est Papa So-sih Baderre ! »
Christophe supplie Papa So d'empêcher sa chute, mais Papa So lui répond que l'heure de cette chute a sonné : « L'heu-à-ou sonnin ! » dit l'ange. En effet, l'événement tragique de l'église de Limonade où le roi tombe lorsqu'il essaie de frapper de sa cravache le prêtre qui critiquait son administration, se produit peu après. Et, une fois que le roi est tombé contre la paroi de l'église en se blessant, son premier soin est de réclamer une « poule-à-Joli » pour confectionner le remède qui pourrait le sauver…
Sangosse, renvoyé à La Coupe-à-David par le roi, devient, peu après, son conseiller. Il devient même un des constructeurs du fameux centre voudoo de Nan Campêche, où il est, sur la demande expresse de Christophe, associé à Marguerite Jean Vodou (Dédé Marguerite.)" (12)
Tradiksyon :
"LOUIS SANGOSSE ak MARGUERITE JEAN VODOU
Louis Sangosse, houngan nan Lakoupadavid (La Coupe-à-David), toupre Kap Ayisyen, lapolis wa Anri Kristòf te arete l, epi wa a te reproche l dèske li bat tanbou l twò souvan. Apènn Sangosse parèt devan Kristòf, mistè Papa Sosi Badè (Papa So-sih Baderre) (Sen Jozèf) te "monte" li, epi li te di wa a konsa : "Ou gen de poul-a-Joli, yon sèl bon, lòt la move. Ou pral tonbe soti tonbe sou chèz la, paske ou kwè w se Bondye. Kan loray gronde nan syèl la, ou reponn li ak tirayè w yo, ki tire kannon Manman Penba (Manman Pim'bha) ki pwente nan syèl la. Men, tankou m, ou bon non w se Papa Sosi Badè (Papa So-sih Baderre)!"
Kristòf te soupliye Papa So anpeche l tonbe, men Papa So te reponn li ke pou l tonbe a te rive : "Lè a wou sonnen !" ("Lheu-à-ou sonnin"), jany la te di. Vreman vre, evènman grav la te rive pa lontan apre, nan legliz Limonad la, kote wa a te tonbe, lè l te eseye bay pè ki te kritike gouvènman l nan yon kout frèt. Epi, apènn wa a te tonbe e li te frape mi legliz la ki te blese l, premye aksyon l se te voye mande yon "poulajoli" ("Poule-à-Joli") pou fè remèd ak li pou sove lavi l…
Sangosse, ke wa a te voye tounen nan Lakoupadavid (La Coupe-à-David), te vin, yon ti tan pita, konseye li. Li menm vin yonn nan moun ki te bati Lakou vodou (voudoo) Nan Kanpèch la, kote li te, sou demann dirèk Kristòf, asosye ak Marguerite Jean Vodou (Dédé Marguerite.)"
Istwa sa, lè w gade vit, ta ka sanble komik, oswa menm pa kredib. Men, kreyòl ki nan li, otantifye l. Paske, byenke se Milo Rigaud, yon otè nan Lwès Ayiti, ki rapòte l, gramatikalman istwa sa konsistan ak kreyòl yo pale nan Nò Ayiti. E kontrèman ak manti yo rele "Bwa Kay Iman" an, istwa Milo Rigaud gen "a" ladan l, ki se yon makè posesyon nan kreyòl  Nòdik a. Nou jwenn makè posesyon "a" sa nan ekspresyon sa yo : "Lheu-à-ou sonnin" , "poule-à-Joli", "La Coupe-à-David", "Bonnet-à-l'Evêque". Pou plis sou pati sa, li atik "Kay + Iman" nan kreyòl nan Nò a.

Kidonk, pawòl nou sòt fokis sou yo la, pèmèt nou konkli ke Marguerite Jean Vodou, alyas Dede Magrit (Dédé Magrite) pa t mizilman. Li te yon gwo Manbo ki te fè yon kokennchenn kontribisyon fizik, relijye ak moral nan bati Ayiti.


* Yon rechèch senp pa t pèmèt nou jwenn mo "Dede" a ki ta dwe vle di "papa oswa zansèt" nan lang arab la. Nou te jwenn "alab" (الآب)  ki vle di "papa" nan lang arab. "Zansèt", yo di li "salaf" (سلف).  Epi "papa (nan tinon)", yo di li "walid" (والد) oswa "babaan" (بابا).
** Moun nan tan sa, lè y ap gade tout kraze brize, fè san koule, ke mizilman ak fè nan lemond, imajine ke kèk kaptif (esklav) mizilman ke Sendomeng (Ayiti) te genyen yo, te konn aji konsa. Yo tronpe yo. Paske, pa gen okenn tèks kolonyal ki janm fè konnen ke kaptif mizilman nan Sendomeng yo konn fè lagè. Okontrè, nan tout dire koloni Sendomeng la, tankou nan "Lafrik", mizilman Nwa yo nan lapè. Nan lane 1804, revolisyon Ayisyen an (1791-1803) te deja fin fèt, Ayiti te deja endepandan, e yo te sispann mennen "Afriken" nan zile a depi lontan, lè Chek Dan Fodio te fè premye jihad (lagè relijyon) nan Lwès "Lafrik" : " Islam te fè wout li nan lapè, eksepte lè lidè tradisyonèl yo te chache bloke li ; lè sa, li te fè lagè. Se sikonstans sa yo ki te mennen lidè Foula Mizilman an Shehu Usuman Dan Fodio (oswa Sheik Dan Fodio) kòmanse yon jihad, oswa yon lagè relijyon, nan 1804 kont gouvènman koryas Wa Yunfa, nan Gobir, ke jihadis yo te konsidere tankou yon Mizilman rebèl." (Trad.) (13)
*** Nou pa vle di pa t gen fi ki te goumen nan dènye moman revolisyon an. Paske te gen group fi vanyan nan kan revolisyonè yo. Men, fi sa yo te sòlda totalkapital, pandan ke lidè relijye tankou Dede Magrit yo, prezans yo nan lagè a te plis nan kòmansman revolisyon an, lè group Manbo yo te abitye chante ak danse devan lame rebèl la.
****  Sof si tinon "Akanj flè roz" la, se te Madan Durand ki te vini avè l pèsonèlman, pou rezon ki pa gen anyen arevwa ak Dede Magrit.


Referans
(1) Bebe Pierre Louis. Yon repons nan blòg istorik Bob Corbett la. 12 Mas 2001."Islamic Influences on Haitian Voodoo". URL :  http://www2.webster.edu/~corbetre/haiti/voodoo/islam.htm ; Vizite nan jounen 28 avril 2015.
(2) Milo Rigaud. La tradition voudoo et le voudoo haïtien. Paris, 1953. p.74.
(3) Gaspard Théodore Mollien. Moeurs d'Haiti. Paris, 2006. p.127.
(4) Jeannot Hilaire. L'édifice créole en Haïti, Fribourg, 2002. p.314.
(5) Claude Planson. Vaudou, un initié parle. Paris, 1974. p.16.
(6) Claude Planson. Op. Cit. p.72.
(7) Milo Rigaud. Op. Cit. p.75.
(8) Ibid.
(9) Ibid.
(10) Najman. Haïti, Dieu seul me voît. Paris, 1995. p.184.
(11) Whitney Hopler. "Meet Archangel Barachiel, Angel of Blessings". Updated February 06, 2017. [online] URL : http://angels.about.com/od/AngelsReligiousTexts/p/Meet-Archangel-Barachiel.htm ; Vizite nan jounen 3 mas 2017.
(12)  Milo Rigaud. Op. Cit. p.74.
(13) João José Reis, Slave Rebellion in Brazil: The Muslim Uprising of 1835 in Bahia. London 1993. p. 94. 



Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Dede Magrit pa t mizilman". 5 mas 2017 ; Mizajou 10 mas 2017. [anliy] URL: http://bwakayiman.blogspot.com/2017/03/dede-magrit-pa-t-mizilman.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020