[LÒT ATIK]
|
||
Cécile Fatiman pa t mizilman | ||
Desalin pa t mizilman | Boukman pa t chèf Revolisyon ayisyen an | |
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 1 oktòb 2016
(Mizajou : 6 okt. 2016)
Si Boukman, yonn nan chèf rebèl nan kòmansman levekanpe nan mwa dawou 1791 la, pa t soti Jamayik ; epitou, si non li pa t vle di "Book-Man" pou yon "Nonm"(Man) ki te gen yon "Liv" (Book), enben, kote non Boukman nan te soti pou rive jwenn li nan zile yo te rele Sen Domeng la?
Se kestyon sa n ap reponn nan atik sila. Nap chita atik sou prèv istorik ke yon moun ka verifye pa limenm, pou li wè si se vre, osnon si se pa vre. Se referans yo n ap lage la, k ap rann atik sa diferan de paròl san prèv ke yon ti grap vakabon ak vakabòn abiye abitye simaye depi 20 an.
Sa ki bèl ankò nan travay sa a, se ke nou pa pè di kote, epi kouman nou jwenn sa n ap prezante la. Se konsa, pandan ke m t ap fè rechèch sou Boukman nan, ke atansyon m te atire sou jan non Boukman te ekri nan rapò Garran de Coulon, ki te yon jij ki te ankete sou lakòz levekanpe 1791 a. Fason jij la te ekri Boukman te parèt diferan de "Bouqueman" ki se jan pi fò moun nan koloni a te konn ekri non sa. Me sa tèks jij Garran de Coulon an te di :
"Les esclaves de l'habitation Turpin et Flaville vinrent chercher à 10 heures du soir, ceux de l'habitation Clément. Les deux ateliers choisirent pour chefs Boukmans et Auguste, esclaves sur ces deux habitation." (1)Tradiksyon:
"Esklav nan bitasyon Turpin ak Flaville yo t al chèche, a 10 zè diswa, sa k te nan bitasyon Clément yo. 2 plantasyon sa yo te chwazi Boukmans ak Auguste pour chèf yo, se te esklav ki te soti nan 2 bitasyon sa yo."
M te trouve jij pa t ekri non Boukman ak yon "s" ohaza.
M panse ke yon nonm edike tankou jij de Coulon ke ka konnen bon jan fason non Boukman an te ekri. Se sa k te pouse m al gade sa m te ka jwenn sou Boukman ak yon "s", kidonk, "Boukmans". Premye rezilta m te jwenn an, te fè m sote. Se te Jean Boukmans ki se non yon sen katolik :
"Le P. Ducoudray a son monument au fond de la chapelle. Il le doit à la généreuse reconnaissance des anciens élèves de l'école. Cette chapelle est spacieuse et fort belle. Près de la porte, à l'extérieur, se trouvent les statues de saint Louis de Gonzague et de saint Jean Boukmans, patrons de la jeunesse..." (2)Tradiksyon:
"P. Ducoudray gen moniman li nan fon chapèl la. Sa rive gras a ansyen elèv lekòl la. Chapèl sa gran epi li bèl anpil. Toupre pòt la, deyò a, w ap jwenn stati pou saint Louis de Gonzague epi pou saint Jean Boukmans, ki se sen patron lajenès..."
"Saint Jean Boukmans"
Sous : http://magnificat.ca/cal/fr/saints/saint_jean_berchmans.html
Lòt kesyon ke nou te poze se : kiyès sen Jean Boukmans sa te ye? Epi ki kote l te soti?
Sen Jean Boukmans te soti nan teritwa Flandre ki nan peyi Labèljik kote yo pale lang Flaman. Li te fèt nan lane 1599 (sa ki vle di 192 an anvan Bwa Kayiman), nan yon vil ki rele Diest (nan Flandre bèlj). Li te mouri a Ròm nan lane 1621, kidonk 170 an anvan Bwa Kayiman. Non flaman li te Jean Berchmans. Li te yon katolik jezwit ke yo te fè tounen yon sen, apre lanmò li. Jean Berchmans te fèt nan kay sila :
"Kay kote Jean Berchmans te fèt, nan Diest"
Sous: https://fr.wikipedia.org/wiki/Jean_Berchmans#/media/File:Diest,_maison_natale_de_Jean_Berchmans.JPG
Pè jezwit franse yo te prononse non "Berchmans" mal. Yo te fè l tounen
"Boukmans" ki te pi fasil pou yo. Epi se konsa, 170 apre lanmò Jean Berchmans, non
"Boukmans" an te fin gaye nan peyi Lafrans ak tout kote pè jezwit yo te
pase. Koloni Sen Domeng la te yonn nan kote pè jezwit t ap fonksyone. Depi lane 1704 jouk 1763 - ki te lane otorite koloni a te mete yo deyo (3) - Pè jezwit sa yo te konn batize kaptif (esklav) yo (timoun kon granmoun) ak non katolik. "Boukmans" te yonn nan non sa yo.
Konnya la, gen moun ki ka mande plis prèv anvan yo aksèpte ke "Berchmans" te vin tounen "Boukmans", "Boukman" osnon "Bouqueman" nan koloni a.
Konnya la, gen moun ki ka mande plis prèv anvan yo aksèpte ke "Berchmans" te vin tounen "Boukmans", "Boukman" osnon "Bouqueman" nan koloni a.
Enben, pa gen problèm. Yonn nan prèv ke non "Boukman" an gen rapò ak "Berchmans", nou jwenn li nan atik nou te pibliye anvan atik sila. Nou te pale de Pierre Boukman, ki te yon kolon
franse ke yo te anteran nan Pòtoprens nan lane 1757. (4)
Nan etasivil fineray (akdedesè) Pierre Boukman sa, te gen erè ki se yon endis pou nou. Pè ki te fè akdedesè a, te ekri ke Pierre Boukman te fèt an Frans, nan vil Lure, ki nan rejyon Flandre (Nòdwès toupre frontyè ak peyi Labèljik konte yon pati moun pale Flaman).
Si nan lane 1757, dat akdedesè a te ekri, "la Flandre française" te yon depatman peyi Lafrans, li sispann ak chanjman ki te rive ak revolisyon fransèz la nan 1789-1790. Men se pa la k problèm. Sa k pa mache a, se ke vil yo rele Lure a pat nan depatman Flandre. Li te chita nan Nò tou, men nan lòt bout peyi a, toupre frontyè ak peyi Laswis (nan depatman Haute Saône jodiya - apati de 1790) :
Daprè nou, pè ki te fè akdedesè a Pierre Boukman an, te rekonèt non "Boukman" an kòm etan yon non ki soti nan teritwa Flandre. E menmsi yo te ka di l ke Pierre Boukman te soti lavil Lure, pè a te plase msye nan depatman Flandre française akoz de non "Boukman" an ki yon non Flaman.
Pè pa te gen tò. Lè nou chèche nan achiv peyi Bèlgik (http://www.arch.be), kote gen yon pati ki pale Flaman, nou jwenn yon dal moun ki te rele "Boukman". Non sa te ekri yon bann fason : "Boukmans", "Bouchmans", "Boocman", elatriye.

Sous: https://fr.wikipedia.org/wiki/Flandre_française
Si nan lane 1757, dat akdedesè a te ekri, "la Flandre française" te yon depatman peyi Lafrans, li sispann ak chanjman ki te rive ak revolisyon fransèz la nan 1789-1790. Men se pa la k problèm. Sa k pa mache a, se ke vil yo rele Lure a pat nan depatman Flandre. Li te chita nan Nò tou, men nan lòt bout peyi a, toupre frontyè ak peyi Laswis (nan depatman Haute Saône jodiya - apati de 1790) :
Sous: https://fr.wikipedia.org/wiki/Haute-Saône
Daprè nou, pè ki te fè akdedesè a Pierre Boukman an, te rekonèt non "Boukman" an kòm etan yon non ki soti nan teritwa Flandre. E menmsi yo te ka di l ke Pierre Boukman te soti lavil Lure, pè a te plase msye nan depatman Flandre française akoz de non "Boukman" an ki yon non Flaman.
Pè pa te gen tò. Lè nou chèche nan achiv peyi Bèlgik (http://www.arch.be), kote gen yon pati ki pale Flaman, nou jwenn yon dal moun ki te rele "Boukman". Non sa te ekri yon bann fason : "Boukmans", "Bouchmans", "Boocman", elatriye.
Bookmans
Boukmans
Bouchmans
Boochmans
Boockmans
Boucmans
Sous: http://search.arch.be/fr/rechercher-des-personnes/resultats/q/persoon_achternaam_t_0/Boukman/q/persoon_voornaam_t_0/Pierre/q/zoekwijze/p/start/0?M=0&V=0&O=0&persoon_0_periode_soort=geboorte&persoon_0_periode_geen=0&sort=persoon_achternaam_s_0&direction=desc
Konsa, lè nou analize prèv sa yo. Yo mennen nou di ak tout asirans ke non "Boukman" nan te soti nan kote moun pale Flaman (Flandre française, Flandre belge). Epi, li te trouve li nan koloni Sen Domeng la, swa pa pè jezwit yo ki konn batize kaptif (tankou Boukman) ak tout kalite non kretyen. Osnon, non sa te parèt ak blan franse ki swa rele konsa (Pierre Boukman), ou swa kolon ki te batise kaptif yo ak non sa, san ankenn lòt rezon ke yo te konnen li.
Men kennenpòt jan yon moun gade sa, non Boukman nan, se yon non kretyen ki byen enplante depi anpil tan. Yo trouve li nan Angletè, nan Almay, elatriye, (san moun sa yo pa t mizilman paske yo te rele yo Boukman ; yo pa gen ankenn liv y ap trenen anba bra yo akoz de non yo) (5). Nan Etazini, nan lane 1760, kidonk 31 an anvan Bwa Kayiman, nou jwenn 2 blan yo te rele "Boukman", nan yon lis moun ki te anrole nan lame :
"A.D. 1760 : To the following persons, for a detachment from Colonel Henry Hyne’s regiment, vix: (...)
Ulric Boukman, for flour, £48 08 00.
Anthony Boukman, for two head of cattle, £2333 03 00."(6)
Tradiksyon:
Nou menm jwenn yon so yo fè pou fanmiy Boukman :
Lè w pouse rechèch la pi lwen, non Bookman an voye w nan Lalmay nan tan medyeval osnon Lapris, ki se non yo te bay peyi sa nan tan lontan :
Pa gen manti nan fè sa yo. Yo fè n wè ke non Boukman an, kennenpòt jan yo te ekri l nan koloni Sen Domeng la osnon lòt kote nan kontinan Ameriken an, te toujou kretyen-eropeyen, san anyen arevwa ak islam.
Referans
(1) Jean-Philippe Garran de Coulon. Rapport sur les troubles de Saint-Domingue. Tome 2. Paris, 1793. p.212.
(2) Émile Chauveau. Souvenirs de l'École Sainte-Geneviève: Notice sur ces éleves tués à l'ennemi. Paris, 1873. Site pa Le Figaro (Paris. 1854). 08/08/1901.
(3) Mgr. J. M. Jan Les congrégations religieuses à Saint-Domingue, 1681-1793, Port-au-Prince, 1951. p.5.
(4) ANOM) Archives Nationale d’Outremer), État civil de St-Domingue, par. 33 (Port-au-Prince/Saint-Domingue), 1757, p./vue 38
(5) "Family Tree Assistant". URL: https://www.familytreeassistant.com/surnames/Boukman-family-tree.html
(6) South Carolina. Thomas Cooper. The Statutes at Large of South Carolina: Acts from 1752 to 1786. David James McCord, 1838. pp.119-120.
(7) Dictionary of American Family Names, Oxford, 2003. URL: http://www.oxfordreference.com/view/10.1093/acref/9780195081374.001.0001/acref-9780195081374-e-6220?rskey=5XXqLO&result=6220
(8) House Of Names. URL: https://www.houseofnames.com/bookman-family-crest
"A.D. 1760 : [Nou dwe] moun sa yo, ki te anrole nan rejiman Kolonel Henry Hyne an, vix: (...)
Ulric Boukman, pou farin, £48 08 00.
Anthony Boukman, pour 2 bèf, £2333 03 00."
Nou menm jwenn yon so yo fè pou fanmiy Boukman :
Sous : https://www.familytreeassistant.com/surnames/Boukman-family-tree.html
Bookman : makonnen ak Alman
Annou sipoze yon ti moman ke non Boukman an te ekri "Bookman" tout bon vre, jan moun ki dèyè chanje istwa a abitye di a, èske sa t ap rann non sa mizilman? Yan! Paske diksyonè Oxford pou non d fanmi Meriken fè nou konprann ke non "Bookman" sa soti nan peyi Lalmay:"Bookman Name Meaning German (Bo(o)kmann): North German cognate of Buchmann, of which this may also be an Americanized spelling." (7)Tradiksyon:
"Non Bookman an, Nan Alman (Bo(o)kmann): Li soti nan non Buchmann ke yo te jwenn nan Nò peyi Lalmay, li ka ekri konsa akoz ke yon chanjman nan peyi Meriken."
Lè w pouse rechèch la pi lwen, non Bookman an voye w nan Lalmay nan tan medyeval osnon Lapris, ki se non yo te bay peyi sa nan tan lontan :
"The German state of Prussia, which reached the zenith of its power in the late 19th century, is the glorious birthplace of the distinguished surname Bookman. In the medieval era, after the fall of the Roman Empire, the German lands were inhabited by a variety of Barbarian tribes. The borders of the Barbarian kingdoms changed frequently, but the region that became known as Prussia was roughly divided between the areas of Brandenburg-Prussia, West Prussia, and East Prussia.Tradiksyon:
The colorful history of Brandenburg-Prussia provides a glimpse at the oldest origins of the Bookman family." (8)
"Peyi Alman yo te rele Lapris la, ki te pran fil ak pouvwa nan fen 19yèm syèk, se kote fanmi gwo moun Bookman nan te fèt ak yon dal glwa. Nan epòk la medyeval, aprè Anpir Women an te tonbe, peyi Alman yo te gen yon latriye bann pèp gwo soulye ki te rete ladan l. Fwontyè ki separe peyi moun gwo soulye sa yo te chanje souvan, men rejyon sa ki te vin pote non Lapris, te divize an zòn Brandenburg-Lapris, Lapris Lwès, ak Lapris Lès.
Istwa wowoy Brandenburg-Lapris bay yon apèsi sou orijin fanmi Bookman ki pa de ansyen."
Pa gen manti nan fè sa yo. Yo fè n wè ke non Boukman an, kennenpòt jan yo te ekri l nan koloni Sen Domeng la osnon lòt kote nan kontinan Ameriken an, te toujou kretyen-eropeyen, san anyen arevwa ak islam.
Referans
(1) Jean-Philippe Garran de Coulon. Rapport sur les troubles de Saint-Domingue. Tome 2. Paris, 1793. p.212.
(2) Émile Chauveau. Souvenirs de l'École Sainte-Geneviève: Notice sur ces éleves tués à l'ennemi. Paris, 1873. Site pa Le Figaro (Paris. 1854). 08/08/1901.
(3) Mgr. J. M. Jan Les congrégations religieuses à Saint-Domingue, 1681-1793, Port-au-Prince, 1951. p.5.
(4) ANOM) Archives Nationale d’Outremer), État civil de St-Domingue, par. 33 (Port-au-Prince/Saint-Domingue), 1757, p./vue 38
(5) "Family Tree Assistant". URL: https://www.familytreeassistant.com/surnames/Boukman-family-tree.html
(6) South Carolina. Thomas Cooper. The Statutes at Large of South Carolina: Acts from 1752 to 1786. David James McCord, 1838. pp.119-120.
(7) Dictionary of American Family Names, Oxford, 2003. URL: http://www.oxfordreference.com/view/10.1093/acref/9780195081374.001.0001/acref-9780195081374-e-6220?rskey=5XXqLO&result=6220
(8) House Of Names. URL: https://www.houseofnames.com/bookman-family-crest
Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Orijin non Boukman an". 6 oktòb 2016. Mizajou 6 okt. 2016. [anliy] URL: http://bwakayiman.blogspot.ca/2016/10/orijin-non-boukman-an.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].
Rodney Salnave. "Orijin non Boukman an". 6 oktòb 2016. Mizajou 6 okt. 2016. [anliy] URL: http://bwakayiman.blogspot.ca/2016/10/orijin-non-boukman-an.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].
Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent
Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.
Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020