Donation

Boukman pa t mizilman

Home     

[LÒT ATIK]
Orijin manti Bwa Kay Iman anBwa Kayiman ak non pyebwaKay + Iman nan kreyòl nan Nò
Boukman pa t Jamayiken pyès!Orijin non Boukman anBoukman pa t rele Zamba
Boukman pa t konn liCécile Fatiman pa t mizilmanTamerlan pa t mizilman
Dede Magrit pa t mizilmanAzaka pa mizilmanDesalin pa t mizilman
Boukman pa t chèf revolisyon ayisyen anVèvè yo pa mizilmanDrapo sakre yo pa mizilman
Makandal pa t mizilman

   

Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 15 novanm 2017
(Modifye : 1 dawou 2018)

 
Revolisyon ayisyen an, akozke yo pa etidye l anpil, epi yo mal etidye l, vin pran ak yon dal revizyon malatchong nan men fo istoryen, chèchè chèlbè, moun liberal kè sansib, pànafriken voye flè, Afriken-Ameriken reyaksyonè, kretyen fondamantalis, ak misyonè mizilman, elatriye.
Pou rezon ki regade chak nan yo, tout gwoup sansi sa yo mete dakò pou di, san okenn prèv serye, ke Revolisyon ayisyen an te rive gras a relijyon Boukman ke yo kwè te mizilman. E kanta entelektyèl ayisyen yo ki ta dwe natirèlman blayi verite a, se yo menm k ap fè, epi k ap simaye pi fò nan defòmasyon istorik yo, akozke yo alyene kiltirèl. Kidonk, yo pa ka wè tèt yo si se pa anba dominasyon zòt (swa pou yo achte figi li, oswa pou yo kritike l). Konsa, iresponsab sa yo vin foure islam nan Revolisyon ayisyen an, akozke yo dèyè yon mèt, ak yon sans nan lavi san valè yo.
Ak prèv verifyab, nou pral montre nan atik sila ke Boukman, yonn nan ero bèl Revolisyon an, pa t mizilman ; epi li pa t ka sa.


1- Boukman pa t premye sèvo Revolisyon ayisyen an

Nou te, nan atik anvan yo, montre ke Boukman pa t soti Jamayik, ke li pa t konn li, ke li pa t rete Mònrouj, ke li pa t chèf lame revolisyonè a, epi, ke "Boukman" te yon non kretyen ki soti nan kilti yo rele Flandre. Konnya, nou di ke Boukman pa t sèvo Revolisyon ayisyen an, jan yo vle fè kwè. Revolisyon sila te soti nan jan kaptif (esklav) nan Sendomeng (Ayiti) yo te wè Bondye, e se pa t travay okenn mizilman. Me ki rout klonplo revolisyon an te fè :
  • Nan lane 1679, zansèt Ayisyen yo te premye debake nan koloni franse Sendomeng la, antanke kaptif (esklav). (Fò nou pa konfonn yo ak Nwa ki te debake plizyè syèk anvan sa nan pati espanyòl zile a, paske Ayisyen ak moun Nwa sa yo pa t mele, akozke yonn pa t konsidere lòt.) (1) Kaptif nan pati franse a te soti nan sosyete teyokratik, kidonk kote relijyon t ap kòmande. Epi, yo te pratike yon relijyon wayalis, kidonk yon relijyon ki wè Wa tankou Lwa. Gwoup ki gen plis moun, nan Nò a, menm jan ak nan ansanm koloni a, se te "Kongo yo ke Pòtigè yo te konvèti, sa gen plis pase 200 lane ; Wa yo te toujou Kretyen depi tan sa, epi plizyè nan Nèg sa yo te batize : men apenn w ap jwenn yon ti zing nan zafè lakretyènte nan kèk nan yo." (2) Menmsi yo pa t kenbe anyen nan doktrin relijyon kretyen an, ke yo te melanje ak relijyon zansèt yo, Kongo sa yo pa t gen okenn pwoblèm idantifye yo ak wayote kretyen peyi Lafrans la. Sitou, akozke misyonè jezwit (nan Nò yo), ki te gwo wayalis, kidonk fanatik wa Lafrans la, te fè anpil jefò pou fè kaptif (esklav) yo renmen wa a. Adorasyon pou wayote anjeneral, nou wè li nan Sendomeng, nan kreyasyon rit Petro a (Dan Petro oswa Donmpèt), ki soti nan "Non Sen" (Zina dia Santu) (3) oswa nan tit wayal yo te bay Dom Pedro III, ki se Wa peyi Kongo/Angola. Se Wa Dangòl sa yo kontinye sèvi antanke Lwa an Ayiti. Bon non li te Nzimba Ntumba. Epi li te Wa soti nan 1668 rive 1683, kidonk nan tan premye kaptif yo te debake nan koloni franse a (1679).
  • Otoude 1762, chevalye d'Héricourt, ki te jwenn eritaj plantasyon des Manquets (ki vin Noé pita), ki chita nan Lakildinò, te achte 120 kaptif (esklav). Nan 120 kaptif sa yo, li posib ke te gen yonn yo rele Janjak (Jean-Jacques). Li te petèt yon kreyòl. Epi li te vin pita, yonn nan 2 kòmandè plantasyon sik sila. Janjak sila pa t yon kaptif konsa konsa. Ak tan, li vin chanje rapò ant mèt ak esklav yo, lè li te rive plase moun nwa pi ro pase blan. Zak li yo te enfliyanse tout pawas la, ak zonn toupre yo. E li menm te gen enfliyans sou Revolisyon ayisyen an. Janjak ke wòl kòmandè l la te mande li fè kaptif yo travay pou plen pòch propriyetè a, olyedesa, li te kreye yon sòt de sendika. Menmsi l te yon kaptif (esklav), li te fè yo peye l. Li te chwazi blan ki ka vin travay sou bitasyon an. Li te òganize grèv-mawonaj, kote yo peye l lè l retounen. Li te ankouraje kaptif yo ralanti travay yo, elatriye. E menm apre yo te bay li libète savann li (kidonk ki pa t ofisyèl), msye te kontinye kòwonp lòt travayè yo. Epi li te kontinye defye sistèm an san kache, menmsi li te riske lavi li. (4) Men, sendika Janjak la pa t pran rout ki te ka bay yon revolisyon. Paske, malgreke kondisyon travay nan bitasyon an te vin pi mal, epi yon dal nan kaptif yo t ap mouri, vyolans pa t yon nan lide mouvman Janjak la. Men, lè Boukman pral mete pye nan Lakildinò, sa pral chanje.
  • Me nan jounen 3 desanm 1784 la, wa Louis XVI te pibliye yon dekrè ki mande kondisyon miyò pou kaptif yo ke Procureurs-Économes yo, oswa Jeran ak Kontab bitasyon yo, t ap toupizi. Rezon an, se ke, pi fò mèt bitasyon yo te rete byen lwen, nan peyi Lafrans. Epi, yon lane pita, nan dat 23 desanm 1785, wa a te soti yon lòt dekrè ki kondane lefèke kolon yo pa t vle aplike premye dekrè wayal la. Kaptif yo, ke prèt ak wayalis yo te mete okouran de dekrè wayal yo, te jwenn nan sa, yon prèv ke enterè yo ak enterè wa a te makonnen ansanm.
  • 1787, Jan-Franswa (Jean-François), limenm ki te vin Wa lame revolisyonè a pita, te mawon de bitasyon Papillon (Papiyon) nan Lakildinò, kote, yo di, li te kòmandè. Li te mennen bay mawon yo, atitid gwo nèg ke Janjak te simaye nan pawas Lakildinò a. Men, li te kite sou bitasyon Papillon an, Madmwazèl Charlòt, Deyès la, ki te vin pita Larenn Revolisyon ayisyen an.
  • Me nan lane 1789, revolisyon franse a vin mete Louis XVI atè, limenm ki te sèl grenn sipò kaptif yo. Epi revolisyon franse a vin diminye pouvwa legliz katolik. Nou deja wè ke chanjman politik manch long sila pa t nan gou kaptif yo ki te idantifye yo politikman epi nan relijyon ak wayote franse a. Paske wayote fè mikalaw nan relijyon kaptif yo : rit wayal Petro a (soti nan non Wa Dom Pedro III), sèvis pou Agasou se yon sèvis ke sèl wayote nan Dawomen te konn fè, sèvis pou Larenn Kongo, Wa Dangòl, e menm pou Sen-Lwi-Wa-de-Frans ( Saint-Louis-Roi-de-France) ki mele ak rit Kongo a, toujou ap byen mache an Ayiti.
  • Nan menm lane 1789 sila, Boukman te mawon. Men, nan Lenbe, sou bitasyon Turpin, ki se ansyen bitasyon l, yo te bay Boukman yon bal, epi yo te kenbe li. Apresa, yo vann li nan Lakildinò, nan bitasyon Clément : "Nan nòt ke Leclerc te pran - li menm ki te yon Procureur-syndic nan minisipalite Lembe nan moman levekanpe a te deklanntche, apresa, li te vin komisè gouvènman an nan tribinal Okap ant oktòb 1792 ak jen 1793 - nou te aprann ke li [Boukman] te yon esklav sou plantasyon fanmiy li, kote yo te klase l kòm yon "move grap". Li te vin mawon, san l pa t ale lwen ; li te konn retounen lannwit pou l vole manje. Frè a Leclerc te bare li yon swa, li te blese l ak yon kout fizi, epi yo te revann li. Se konsa ke li te vin ateri nan plantasyon Clément nan Lakil, ki toupre Lenbe." (Trad.) (5) Parèt Boukman nan Lakildinò a te mennen opsyon fè vyolans revolisyonè bay kaptif nan zonn sa, ki te deja boure ak lide ke yo te siperyè a blan yo, akoz de travay Janjak. Zonn sa te vin tounen episant (pwen santral) Revolisyon ayisyen an. Se pa t Mònrouj, kote Boukman pa t janm rete.
  • Toujou nan lane 1789, Yon jou, dapre temwayaj Kolonèl Paul Aly (Pòl Ali), ki te zanmi Tousen Louvèti, epi ki te goumen nan kan li, Tousen t ap koute konvèsasyon 2 wayalis. Wayalis sa yo, se te Bayon de Libertat, ke Tousen te chofè l, ansanm ak pwobabman Séraphin Salnave.+ 2 wayalis sa yo te manm "comité contre-révolutionnaire du Cap" (komite kont-revolisyon nan Okap la), epi yo t ap chèche kijan pou yo te "monte levekanpe terib la" (Trad.) (6) Tousen, ki te lib depi anpil lane, te etone wayalis yo, lè li entèwonp yo ak pawòl sa yo : "jis pwomès 3 jou repo pa semèn ansanm ak entèdiksyon rigwaz ap ase pou fè atelye yo levekanpe." (Trad.) (7) "Komite kont-revolisyon nan Okap la" te gen 4 manm ki te vin konseyè Tousen pita. Dapre komisè-depite Sonthonax, (8) manm sa yo se 2 pè katolik : frè Martini ak pè Antheaume, ki te konfesè Tousen ; epi 2 asistan comte de Noé : Bayon de Libertat, ki te ansyen jeran bitasyon Bréda nan Odikap ak des Manquets nan Lakildinò, epi Séraphin Salnave, ki te yon "émigré", kidonk yon wayalis ki te kite peyi Lafrans paske li te kont revolisyon franse a, pita, msye te ekri diskou Tousen (9) ki te parenn pitit gason li. (10) Konsa, Bayon de Libertat te rekòmande Tousen bay komite a, ki apresa, rekòmande Tousen kòm lidè bay wayalis ki an Frans yo. Men, fò nou di ke wayalis yo pa t kòmande. Nan diskou li te fè bay moun Sendomeng yo, nan dat 25 dawou 1793, Tousen Louvèti te di ke li te premye moun ki te pati Revolisyon an, e ke li te potekole ak wayalis blan ansanm ak milat, men ke yo pa t janm te di l sa pou l fè. Tout desizyon te soti nan tèt li akoz de don Granmèt la te ba li.++
  • Nan oktòb-novanm 1789, Bacon de la Chevalerie, yon wayalis, te dèyè kraponnen Lafrans, lè li te debake nan Sendomeng ak lide pati yon levekanpe. Li sanble te gen kontak ak Jeannot Bullet, ki te gid li. Men, pwojè soti lòtbòdlo li a pa t mache. (11)
  • 1789-1790, nwa ak milat lib repibliken yo, kidonk ki fanatik repiblik olyede wayote, te pran mande pou yo gen menm dwa politik ak blan yo. Yo te fè sonje ke sa te yon promès "nouveau régime" an, kidonk nouvo gouvènman ki soti nan revolisyon franse a. Men, apre ke demann yo pa t pase, yo te fè san koule. Chèf yo, Chavannes ak Ogé, te vin anba kòd, epi otorite yo te egzekite yo ak anpil mechanste. Patizan yo, ki se lib ki pa t okipe yo de zafè kaptif (esklav), apre yo te mawon, te al jwenn kaptif yo ke yo te wè tankou alye ke yo ka manipile fasilman.
  • 3 janvye 1790, Lèt sila te ekri espre nan jounen epifani (épiphanie) oswa jounen fèt Lewa. Kidonk, premye dimanch nan mwa janvye 1790. Lèt sa te pou Tousen Louvèti (Toussaint Louverture). Yon wayalis yo rele Boufon te ekri lèt sa. Msye te Sekretè nan Conseil de Versailles (Konsèy nan Vèrsay) nan peyi Lafrans. Epi, lefèke "Louvèti" te ekri nan lèt la, montre ke Tousen te gen nom sa anvan levekanpe jeneral la ; kidonk, nan lane 1789, pou pita :


 

Sous : Título de la unidad: "Conflictos con Francia" Archivo: Archivo General de Simancas Signatura: SGU,LEG,7157,3
  • Menm lane 1790 la, toujou dapre Paul Aly+++ : "Tousen te chwazi nan pi bon zanmi li yo, Jean-François Papillon, Georges Biassou, Boukman Dutty ak Jeannot Bullet. Yo te chitan ansanm, epi yo te chwazi wòl chak moun. Jean-François, ki te pi zwav pase yo tou, te jwenn pi gwo ran an.  Biassou te vini an dezyèm ; epi Boukman ak Jeannot, ki te gen plis odas, te responsab kòmande premye goumen yo. Tousen te rezève pou tèt li, wòl entèmedyè ant manb yo, epi lòt manm sekrè levekanpe a [komite kont-revolisyon nan Okap la]." (Trad.) (12)
  • Nan dat 5 septanm 1790 la, yon rapò polis te idantifye yon bann ak zam ki te gen Yorch (Georges/Jòj) Biassou kòm Wa, pandan Boukman ak Barthélemi Roquefort te chèf anba lòd Wa a :"Ke se te Barthélemi, nèg Msye Roquefort, nan Laptitans, ki te chèf ansanm ak Boukman ; ke te gen yon wa yo rele Yorch, nèg Msye Biassou. Ke te gen nan bann an anpil milat ; ke se kolonèl nan rejiman Okap la ki te mennen yo revòlte..." (Trad.) (13)
  • Nan mwa mas 1791, Madmwazèl Charlòt te mawon tou nan bitasyon Papillon an. Lè n konnenn jan bèl fanm Foula sa te chèlbè, limenm ki te vin Larenn Revolisyon an, nou deja wè ke li te okouran ke levekanpe a te toupre, si pou l ta va aksepte al jwenn Jean-François nan lavi difisil mawonaj la.
  • Epi, nan dimanch 14 dawou 1791, pandan lajounen, anviron 200 kòmandè bitasyon ak chofè te reyini nan Mònrouj. E se pa t nan sekrè. Yo te reyini pou yo mete dakò sou dat y ap tanmen levekanpe a. "Yo te fabrike yon fo jounal ki te di ke wa a ak asanble natyonal la [ki an Frans] te bay esklav yo twa jou konje pa semèn, ansanm ak entèdi kout frèt ; men ke asanble koloni a ansanm ak ti blan yo pa t vle obeyi lwa sila ki te soti an Frans la. Yon jenn milat, yo rele Candide, ke Boukman te ankouraje, te li jounal sa bay esklav nan plèn nan ki te reyini nan sekrè nan dat 14 dawou, sou bitasyon Lenormand de Mézy, nan Mònrouj. (...) Boukman te anonse moun ki te la yo ke y ap tann lame k ap soti an Ewòp, ki pral vin fè yo rèspèkte lwa Lafrans nan koloni a, epi lè sa rive, esklav yo pral levekanpe pou asire yo ke sa mache, epi, limenm, li pral bay siyal la lè l ap fè atelye nan bitasyon Turpin, kote l te yonn nan kòmandè yo, revòlte." (Trad.) (14) Yo te fè yon ofrann apre desizyon sa.
  • Nan dimanch 21 dawou 1791, rebèl yo te òganize yon dezyèm sèvis ginen ki te fèt lajounen tou.
  • Nan lannwit 22 dawou 1791, nan landemen dezyèm sèvis ginen an, Boukman, jan yo te dakò a, te tanmen levekanpe a nan Lakildinò, ak sipò kaptif (esklav) ansyen bitasyon l nan, kidonk kaptif nan bitasyon Turpin ki te soti Lenbe pou ede yo nan Lakildinò.
Jan nou pral wè li pi devan nan atik sa, Janjak des Manquets te di menm pawòl sa sou enfliyans wayalis yo (e pa t gen enfliyans islam) ; epi, Janjak te lage koze a nan menm lannwit levekanpe a te kòmanse. 
 

2- Boukman nan mitan lannwit levekanpe a

Nan lannwit 22 dawou 1791, Boukman te sove lavi François-Alexandre Beau, ki se yon jèn procureur, kidonk yon jeran nan bitasyon Clément an. Gras a ekriti François-Alexandre Beau ki te yon temwen de tout sa k t ap pase, nou pral analize tout zak Boukman ansanm ak zak kanmarad li yo, pou nou konnen ki relijyon yo te pratike.
a) Anvan goumen yo te kòmanse, Boukman ak kèk rebèl te debake nan bitasyon Trémes oswa Trenet, pou yo te pran zam sitwayen Dutheil. Epi, yo te fè yon chapantye siyen yon bout papye
:
"Nan 22 dawou a onz è diswa, nèg Bougman nan ki chofè bitasyon Clément, kote m te prokirè a, nan tèt kèk nèg ki soti Lenbe ak lòt katye nan Lakil, te ale nan bitasyon Trémes ki chita nan katye m te di a, li te met lapat sou zam sitwayen Dutheil, chapantye ak jeran bitasyon sa, epi, apre li te kontante fè l siyen yon deklarasyon nan gou li, li te menmen l ak li." (Trad.) (15)
Nou wè nan zak sa, yon prèv ke Boukman pa ka siyen pròp "bons de passage" li, kidonk, pròp papye pou l te ka vwayaje san problèm nan koloni a. Se sa k fè li te mennen chapantye ak li. (Li atik "Boukman pa t konn li", pou plis sou pwen sa).  
b) Apresa, Boukman ak gwoup li a t ale sou bitasyon Noé (oswa des Manquets) kote premye gout san blan te koule, yon fason pou rebèl yo te rann omaj bay Janjak pou travay manch long li te fè a :
"Delayetan, yo ale sou bitasyon sitwayen Noé a, yo kenbe apranti rafinè a. Rèl li te fè jeran an, sitwayen Demené [Dumesnil] soti,  nan gwo kay la : li tonbe nan jaden an ak de bal fizi. Yo mache vè apateman msye Curiel, rafinè a, ki te rete toupre, yo sasinen l nan kabann li epi yo trennen l deyò, yo frennen yon jennonm malad ki, apre yo te kite l pou mò, te sove nan yon bitasyon pa twò lwen, kote yo aprann malè ke li te temwen yo, e ki te lakòz li mouri kèk jou pita, frè nègès ki t ap swayen l an, yon kòmandè sou bitasyon an, te tchwe li. (…) Apre yo fin piye gwo kay bitasyon an nètalkole, yo te mennen prizonye yo nan bitasyon Clément an." (Trad.) (16)
Bitasyon Clément an te kote Boukman ansanm ak François-Alexandre Beau, jenn jeran k ap rakonte istwa a te rete. Istoryen yo rele François-Alexandre Beau "procureur Clément" oswa "jeran bitasyon Clément an".
c) Lè twoup Boukman yo te pwoche gwo kay nan bitasyon Clément an, bri te leve Francois-Alexandre Beau nan dòmi, epi li te rele "Ki moun ki la!" Rebèl yo pa te reponn '"sòlda Allah", men okontrè, yo te di "Se lanmò":
"Lè bri bal ki te frape sitwayen Feurouge la sonnen, chen m an ki te kouche sou galri a, toupre chanm mwen an, te tèlman jape ke li reveye m. Jape chen an te sitèlman annwiye m, ke m te leve pou m te fè l pe, apre sa, m te tounen dòmi. Yon kadèr pita, pòv chen an te rekòmanse jape pi fò. Men, [rebèl yo] te deja pran posesyon de rak kwen nan gwo kay la; akoz de bri yo t ap fè, mwen te kouri leve sou kabann mwen, epi m te rele : "Ki moun ki la?" Yon vwa grav te reponn mwen, "se lanmò!" (Trad.) (17)
Konsa, pa t gen anyen ki te mizilman nan repons rebèl la.
d) Yon fwa yo nan gwo kay la (kidonk, nan kay mèt la), rebèl sa yo ke zòt ap mache di te mizilman, pa t rele "Allah akbar!" (Bondye mizilman yo gran). Tout tan yo t ap fè asasinay yo, yo te repete "tchwe, tchwe :
"Nan menm tan, mwen tande tire yon gwo kantite bal, ak vwa yon foul moun nwa ki gaye mo terib sa yo byen fò nan kay la : tchwe, tchwe. Lè m wè sa l ye, epi ke m pa t ka sove, mwen te kouri rale zak mwen : erezman pou mwen ke li pa t chaje, mwen di erezman, paske si l te chaje, mwen ta va defann tèt mwen, mwen ta va touye kèk nan sasinè yo epi mwen pa t ap ka evite yo fann fwa m anba kou." (Trad.) (18) 
Touye, touye, oswa tchwe, tchwe, se pa yon rèl ki gen arevwa ak relijyon.
e) Pandan atak la nan gwo kay la, Boukman te touye Clément, mèt li. François-Alexandre, ki, lè sa, te kache dèyè kabann li, yonn nan bann nan te dekouvri li. Kolon an, an echanj pou lavi li, te ofri rebèl yo pran tout sa li posede. Yonn nan yo te bay yon repons ki te gen fraz  ''buffet a li", kidonk "bifèt a li" ladan l. Sa vle di, fraz la te gen "a", ki se yonn nan makè posesyon nan kreyòl nan Nò a. Yon makè posesyon, nan kreyòl nan Nò, dwe chita nan mitan bagay yo posede a (bifèt) ak moun ki posede bagay la (li) :
"M ap tranble pandan m pwoche gwoup nèg sa yo, epi m di yo : "Pran tout sa m posede ; men chape lavi m!" yo te reponn nan griyen dan : "que ça l’y vlé nou prend, ni a poin a rien encore dans buffet a li" [Ki sa li vle ke nou pran nan men l ; pa gen anyen nan bifèt a li.] ; pandan y ap di m sa, yo soti epi yo fèmen pòt la dèyè yo." (Trad.) (19)
Makè posesyon "a" a, ta dwe trouve l nan fraz revizyonis yo ki se "Bwa Kay Iman" (Rak Bwa toupre Kay Iman an). Li ta dwe "Bwa Kay a Iman", si yo te di li nan Nò Sendomeng (Ayiti), kote seremoni Bwa Kayiman an te pase.
f) Boukman te epànye lavi François-Alexandre paske l te panse ke jèn kolon an te yon savan : 
"Desten te gen yon lòt plan : chèf bann sanginè a ke yo rele Boukman, ke m te toujou byen aji ak li, te rive pandan zak yo t ap fèt, epi, li wè m nan chanm nan ki gen pòt amwatye kraze, tou plen san ak dezespwa, kè li te fè l mal pou mwen. Li te vire vè moun li yo, epi li te kouri di yo "Pa tiye li, se yon bon blan epi li gen plis savwa pase tout lòt ki gen bò isit la."" (Trad.) (20)
Atik "Boukman pa t konn li" a bay plis detay sou jan Boukman te bay entelijans jèn kolon an plis enpòtans ke li ta dwe.
g) Apre premye atak yo, kèk nan rebèl yo te kòmanse gen remò, lè gravite sitiyasyon an afekte yo. Epi, pou motive yo, Boukman pa t lage yon vèsè koranik, jan yon vanyan sòlda mizilman ta va fè. Okontrè, Boukman, tankou yon kòmandè atelye, te menase yo ak zam li, li trete yo de "chiens de nègres", kidonk de "bann chen nèg": :
"Tou dousman, nou swiv brigan yo ki te fè rekritman nan kay a nwa yo pa fòs okan ke pa bòn volonte. Nwa yo te sanble deja gen remò pou krim yo te komèt yo ; yo pa t vle ale pi lwen. Men Bouqman, ki te pwobableman plis enterese pase lòt yo pou bagay yo pa rete la, te kanpe dèyè yo ak kout kròs fizi : "mache, bann chen nèg, mache oswa m plen kannkès nou ak kout zam!"" (Trad.)  (21)
Me yon okazyon pafè kote, si Boukman te enspire pa islam, li ta va chache motive sòlda li yo ak referans ki soti nan liv mizilman yo. Men, se pa t sa k te pase.
h) Pou anpeche ke lòt rebèl nwa touye François-Alexandre ak lòt kolon ki epànye yo, Boukman te lage chay jenn kolon an ansanm ak lòt blan yo, nan men 2 rebèl (Jean-Jacques ki rete nan bitasyon des Manquets (oswa Noé) ak Vincent ki rete nan bitasyon Clément). 2 rebèl sa yo, pou pwoteksyon kolon yo epànye yo, te mennen yo sou bitasyon des Manquets. La, kolon yo te kesyone Jean-Jacques des Manquets ak Vincent sou rezon revòlt la. 2 rebèl sa yo te reponn ke revòlt la, se te akoz de pwomès wa a te fè pou bay kaptif (esklav) yo 3 jou konje pa semèn. Epi rebèl yo te fè konnen ke yo pwoteje kèk kolon ansanm ak prèt pou yo kenbe pratik relijyon katolik la :
"Alò, mwen te antre nan konvèsasyon ak de gadyen nwa m yo : Jean-Jacques ki se propriyete comte de Noé, epi Vincent ki se propriyete kouzen m ; mwen te mande yo ki konplotè ki dèyè kokennchenn revòlt sila epi ki vizyon konplotè yo nan simaye tout krim sa yo. Yo te reponn mwen ke se gran blan an Frans yo [Boufon, Sekretè nan Konsèy de Vèsay], ki bezwen pini repiblik franse a deske li te mete wa a atè, deske li pa gen lafwa, ni lalwa, ni relijyon ankò, deske li te boule, nan Pòtoprens, dekrè wa a ki te bay kaptif yo twa jou konje pa semèn [lide Tousen Louvèti]. De nèg yo te ajoute ke si yo pa te resevwa lòd nan men gran blan sa yo pou yo te revòlte pou kontribye nan remete wa a sou chèz la, pròp pwoblèm yo pa t ap pouse yo rive lwen konsa, paske yo pa te ase entelijan epi yo te twò limite pou yo ta imajine yon pwojè ki si gwo, ki se pwojè pou detwi tout blan yo, apa de kèk nan yo ki pa propriyetè, prèt, chirijyen ak fanm, epi pou mete dife nan tout kay epi pou yo vin mèt peyi a.
Mwen te di yo etonman m sou tout sa m te tande la, men mwen pa t pèmèt mwen bay okenn opinyon ; mwen te jis mande yo poukisa yo epànye prèt, chirijyen, ak fanm yo ; yo te reponn mwen ke yo te konsève prèt yo pou fè sèvis relijyon an, doktè yo pou geri yo lè yo malad, fanm yo pou yo gwòs yo, epi kèk blan pou gouvène paske yo manke konesans de endistri ak lòt talan." (Trad.) (22) 
Me nan mitan lannwit 22-23 dawou 1791 la, bann rebèl nan Lakil la, ki se kote levekanpe a te kòmanse, te di ke yo motive pa pwomès wayal la ki vle amelyore kondisyon kaptif (esklav) yo. Men, 2 a 3 jou anvan jounen levekanpe a, kidonk, nan dat 20 dawou, menm koze sa te soti nan bouch François alyas Dechaussée (Dechose), ki t ap viv sou bitasyon Chapotin nan Lenbe. Yo te arete  François ki te potekole ak Boukman ansanm ak kèk lòt kanmarad nan mete dife nan bitasyon Chabaud. Men, kontrèman ak François ki te sibi entèwogasyon nan Lenbe, Jean-Jacques ak Vincent te pale koze yo pandan ke yo te nan pozisyon fòs. Paske, yo te gadyen ak pwotektè blan franse yo, yo te di sa. E menmsi sa, repons yo te idantik. E sou zafè relijyon an menm, yo te defann valè relijyon katolik la ke patizan repiblik franse yo te voye jete. Men revolisyonè nan Sendomeng yo menm, te pou konsève relijyon katolik ; omwen, nan yon fòm senkronik, kidonk, lè li melanje ak relijyon zansèt yo.
i) Epi, nan demen maten, jouk li midi, rebèl ki te gadyen blan yo, t ap bwè alkòl san rete, san yo pa menm te manje. Sa se yon aksyon ki pa mache ak islam :
"Vè lè midi, gadyen nou yo te deja ap bwè diven san rete depi granm maten, [yo] te fè nou konnen ke yo pral manje sou bitasyon Clément an [kote Boukman rete], epi nou pa bezwen enkyete paske y ap tounen touswit." (Trad.) (23)
Lefèke 2 gadyen yo t ap bwè a pa yon ti koze ; sitou akozke Jean-Jacques des Manquets te yonn nan yo. Nonm sila ki te prepare moun Lakildinò yo pou levekanpe a, yo te rekonèt li kòm yon "ivrogne achevé", kidonk yon "tafyatè fini", depi plis pase 10 zan. E tafya te menm lakòz li gen pwoblèm nan je. (24) Anplisdesa, lefèke gadyen yo t al manje, tou sou, sou bitasyon Clément, kote Boukman te rete, prouve ke Boukman pa t janm nan relijyon mizilman an.
j) Nan jounen sa, sòlda Boukman yo, lè yo te pwoche bitasyon Godin ke yo te pare pou atake, te tande kolon yo mande : "Qui-vive?" kidonk "kiyès ki la?". Si yo te mizilman toutbonvre, rebèl yo ta va reponn "Sòlda Allah", kidonk "Sòlda Bondye mizilman yo". Men, olydesa, yo te rele tèt yo "Gens du roi", kidonk "Moun a wa a" :
"Solèy te prèske leve, lè revòlte yo te atake bitasyon akote a. Msye Godin, propriyetè a, ansanm ak twa ou kat lòt blan, lè yo tande bri sou bitasyon Clément an, te prepare yo pou defann tèt yo; konsa, lè yo tande rebèl yo pwoche, yo rele : "Qui-vive?"» [Kiyès ki la?] Nèg yo te reponn : "Gens du roi" ["Moun a wa a"]; blan yo te dechaje fizi yo sou rebèl yo ke sa te kontrarye anpil; yo te rekile; Bouqman ki t ap  kòmande, te sitèlman chofe yo ak pawòl ke yo te tounen fonse sou ledmi an; blan yo te al pran refij nan yon chan kann ki toupre." (Trad.) (25)
k) Sou bitasyon Flaville la, kèk fi nwa ki te sipòte kòz rebèl la, te itilize cham natirèl yo pou yo te asire yo ke yon blan ki blese, pa t ap fè sanblan li mouri :
"Yon rafinè, apre li te resevwa plizyè bal, yonn nan ponyèt, epi lòt la anwo zepòl li, rebèl yo te kite li pou mò. Kèk nègès te pran yon plezi sovaj apre sa, nan fè li santi pati Bondye ba yo a. Pòv blan sa ki te gen malè bay siy lavi, fi anraje sa yo te wonfle l ak makak ; yo te menase li san rete, lè yo di li : "Si nou te konnen ke w pa t mouri, nou ta va chache nèg yo pou fini ake w" ; apre sa, il te gen kran ase pou l te fè sanblan l mouri si byen, ke medam yo te kwè li kaba toutbonvre ; epi yo te kite l atè a nan pi gwo doulè." (Trad.) (26)
Pou yon fi itilize cham natirèl li nan kondisyon sa, se yon konpòtman islam pa t ap pèmèt.
l) Islam te soti difisilman nan yon jenerasyon rive jwenn yon lòt, nan Sendomeng. Akozdesa, chans la te piti anpil ke yon kaptif (esklav) kreyòl, kidonk ki fèt nan zile a, ta va mizilman. Milat yo te fèt nan kontinan Lamerik la, menm jan ak Boukman. Epi yo pa t fèt nan kontinan "afriken" an.  Konsa, yo te yon gwoup ki te gen mwens chans pou yo ta gen kontak ak relijyon mizilman an. Vwalake, depi premye moman rezistans lan, milat yo te patisipe nan rebelyon an. Sa demontre ke islam pa t gen  anyen arevwa nan levekanpe a :
"Jou te leve ;  revòlte yo te pwomennen nan tout laplèn an ak rèl terib yo, pandan y ap limen dife ak koute kou blan ki te gen malè tonbe anba men yo. M. Chauvet, manm asanble jeneral la, te bat pou chape poul li, menm jan ak yon lòt kanmarad ; pitit gason l, yon milat de sèz an ke l t ap kite tout fòtin li bay li, te sasinen li san okenn pitye. Nègès ki te manman vakabon sila, ki t ap viv nan kay ak Msye Chauvet, te sitèlman boulvèse de zak tchak sila, ke dezespwa te pran l, epi te mennen l tiye tèt li." (Trad.) (27)
Kèk nan milat sa yo te fanatik Vincent Ogé, menm jan ak Jean-Baptiste Cap. Yo pa t Mandeng mizilman :
"Men, yon bann nèg lib ak milat, pifò, nan yo te kondane par contumas [kidonk dèyè do yo, san yo pa t ale lakou] nan zafè Ogé a, yo te vini Grannrivyèdinò, sou bitasyon Msye de Galliffet; yo te ankouraje nèg yo revòlte." (Trad.) (28)
m) Nan demen swa, bann Boukman an te kanpe bab pou bab ak sòlda franse yo. Men Boukman te sezi anpil, lè Tousard (Touzard), ki se yon kolonèl wayalis ki te konn bay li zam an 1790, te tire sou li  :
"Konplotè kache levekanpe a te fè nèg yo kwè ke yo te gen pou batay sèlman ak kolon abitan yo, e ke sòlda yo pa t ap janmen tire sou yo ; yo t ap vanse ak radiyès sou lame nou an ; men se pa de sezi yo te sezi, lè yo wè rejiman Okap la te fonse sou yo ; yo vale radiyès yo a byen vit. Bouqman ki t ap kòmande yo te di : "Yo trayi m, Msye de Touzard te pwomèt mwen ke janmen rejiman Okap la pa t ap tire sou moun mwen yo, e ke mwen t ap nan afè sèlman ak kolon yo."" (Trad.) (29)
Dènyè sitasyon sila te bannou yon prèv deplis ke Boukman t ap goumen pou kòz wayote a ke li te kwè te ka retire nan chay lou pèp li t ap pote a. Epitou, premye istoryen ayisyen an, Bawon de Vastey, ki te moun nan Nò, epi ki te viv nan tan Boukman an, te pale nan menm sans la :
"Jeneral Jean-François, Biassou, Bouquemand, Candi, elatriye, te batay nan non wa peyi Lafrans ak Lespay, kont repiblik franse a." (Trad.) (30)
Kidonk, pa t janm gen okenn santiman mizilman nan kè Boukman, ki te yon chèf relijyon zantray la. 
 

3- Lanmò ak fineray Boukman

7 novanm 1791, Boukman te tonbe anba bal nan Lakildinò. Pandan yon batay feròs ki te dire 11 jou, li te sove sou yon bitasyon, nan yon chan kann, lè sòlda Cambefort yo te rale sou vant, epi yo te parèt sou Boukman ak kanmarad li yo  : 
"Mwen [kolonèl Cambefort] te kontinye chaje rebèl yo sou wout la ak nan kann yo (...) kote nou te touye trant nan yo, ak zam epi ak koulin nou : Bouckmann te yonn nan trant yo ; li te genyen yon fizi adekou, ke l te dechaje sou mwen ak Msye Dubuisson. (...) Fizi ke Bouckmann te genyen sou li a, se kina defen mèt li, Msye Clément ke li te touye. Li te gen tou yon pè pistolè bèl kalite.
(...)
P.S. - Mwen te bliye pale de yon milat vanyan ki te toujou akonpaye chèf li Boukmann ; li te goumen tankou yon lyon kont twa nan dragon mwen yo, anvan li te kaba." (Trad.) (31)
Milat vanyan ki te akonpaye Boukman an, te nesesèman fèt nan kontinan Amerik katolik la. Li pa t fèt nan kontinan "LAfrik" mizilman an. Prezans li akote Boukman demanti revizyon san prèv la ki ta chache fè moun kwè ke Boukman t ap dirije yon bann kaptif mandeng ki te ka gen kontak ak relijyon islam. 
Yon semèn apre, nan 14 novanm 1791, nouvèl sou lanmò Boukman te rive nan kan nan Grannrivyèdinò a. Dapre Verneuil Gros, ki te prizonye nan kan sa, rebèl yo te fè chante yon fineray katolik nan memwa Boukman ki te mouri nan defann wayote franse a, ki te gen pi bon kè pou kaptif (esklav) yo ; e sa pa t gen anyen arevwa ak mizilman :
"Nan dat 14 la, nou te aprann lanmò a Bouqueman ; li ta enposib pou nou di kijan lanmò sa te fè nèg yo lapenn. Chèf yo te pote dèy epi yo te fè yo chante yon lamès [katolik] ofisyèl : (...) Deja nou te tande pawòl  nèg yo; konplo kriminèl yo te ase pou fè nou pè, paske, Kannibal yo, te vle annik sasinen nou pou yo te vanje chèf yo, ki te mouri pou kòz ki pi jis la, ki se defann wa li." (Trad.) (32)
Pè Sulpice, ki te omonye lame revolisyonè a, te chante lantèman katolik pou lanmò Boukman nan tout pawas rebèl yo te kontwole :
Yo te koupe tèt Boukman, epi yo te boule kadav li devan kan Jean François a. Yo te transpòte Okap tèt ansanglante l la, ki te ekspoze sou yon pik, nan plasdam nan. Li te fè kanmarad li yo renmen l anpil, e yo te règrèt li, epi yo te pran dèy pou li, pandan plizyè mwa. Sulpice, omonye lame rebèl la, te chante plizyè mès nan tout pawas rebèl yo, pou repo nanm li. Sulpice te yon ewopeyen ke Jean François te sove nan masak blan yo, epi ke li te plen ak onè ansanm ak richès.” (Trad.) (33)
Nan Grannrivyè, se te pè Phillippe ki te chante yon mès (katolik) pou rann Boukman omaj. Yo te arete l kèk tan apre sa :
"Pè Phillippe, ki te prèt nan Grannrivyè, te swiv rebèl yo. Li te chante fineray pou Boukman, pandan yo t ap ekzekite l. Pita, sòlda franse yo te arete pè Phillippe." (Trad.) (34)
Finalman, ki sa nou ka di sou Philémon, ki te yon prèt katolik nan Lenbe, ki te peye pri iltim nan pou sipò li te bay kòz Boukman an? Èske pè katolik sila te yon mizilman? 
"Nan denmen, pè Philémon, ki prèt nan Lenbe, yo te akize l epi kondane l, paske li te soutni nwa yo nan revòlt la, epi paske li te gen kontak ak plizyè lidè yo, ansanm ak Panyòl yo. Yo te pann msye sou plasdam an a kat trè delapremidi. Tèt a Bouqman te ekspoze sou plas piblik kote yo te touye Philémon an, pou griyen dan sou koneksyon sere ki te egziste ant limenm [Philémon] ak chèf sila." (Trad.) (35)
Rebèl yo, ki te lwen pou yo ta mizilman, te chante yon mès katolik pou defen prèt Philémon. Epi, yo te pote sou yo, moso nan rad li kòm pwoteksyon nan konba. Sa se yon konpòtman ki menm jan ak sa k te rive nan seremoni Bwa Kayiman an :
"Kèk jou apre, yo te aprann nan kan Biassou an, ke yo te kondane pè Philémon pou yo pann, e ke ekzekisyon li te fèt nan plasdam Okap la, nan prezans tout sitwayen vil la ki te reyini.*
Biassou te fè yo fè yon seremoni fineray nan memwa pè Philémon, ki te konsidere kòm yon matir pou relijyon ak pou bon kòz la. Rad li te kite nan kan an, yo te koupe yo nan plizyè moso, epi chak nèg te pote yon moso sou li, tankou yon pwoteksyon majik ki kapab prezève li menm de lanmò.
* Nòt otè a. Mwen te Kap Franse, lè Philémon, prèt la, te kondane amò. Kiryozite te mennen m al wè figi nonm sa ke yo te akize de gwosè krim sa yo, e li te kondame menm pa prizonye blan ki te sove akoz de dezòd ki te genyen nan kan Biassou a, lè bri te gaye ke yon atak sibit ak jeneral t ap rive...
(…)
Li te pouse jechèch li jouk li te rive di ak yon vwa ki ro epi fò, lè li t ap monte sou estrad lanmò a : "Bondye mwen, ki wè inosans mwen, padone bourou mwen yo, jan mwen padone yo."" (Trad.) (36)
Men, se pa t sèlman Franse yo ki t ap chèche tire revanj. Dapre Verneuil Gros, pou yo te vanje lanmò Boukman, rebèl yo te danse pandan twa jou yon kalenda, ki se "yon dans fineray kalekò ak devèrgonde anpil" (Trad.) (37) ki soti Lafrik ; konsa, yo te vle griyen dan sou Tousard, yon ofisye franse ke yo te kwè te mouri tou. (38) Kidonk, si Boukman te yon imam, jan kèk di, poukisa yon prèt katolik ta va chante mès fineray pou li? Repons la klè. Boukman pa te gen okenn koneksyon ak relijyon Mahomet la. Okontrè, tout sa ki te antoure l, te pwouve ke li te benyen nan relijyon tradisyonèl senkretik la (kidonk ki melanje pratik Lafrik ak pratik katolik). Jouk jounen jodiya, gras a sakrifis Boukman te fè de tèt li, relijyon oswa jan moun viv sila, kontinye pratike an Ayiti, prèske menm jan an.


4- Èske se vre Boukman te yon chèf nan relijyon?

Yon kesyon te poze depi lontan : asavwa, si Boukman te yon lidè relijye, anplis de yon chèf militè ak politik? Istoryen David Geggus, menm si li te vin konkli pita nan yon lòt sans la, te kanmenm gen dout sou asosyasyon Boukman ak relijyon. Geggus te ekri : '"Li difisil nan reyalite, pou nou jwenn, nan tan Boukman, temwayaj blan Franse, oswa Ayisyen, ki te di Boukman te yon prèt." (Trad.) (39) Rechèch nou te pèmèt nou reponn wi a kesyon ki te poze a. Paske kontanporen Boukman yo, kidonk moun nan tan li yo, te rekonèt li kòm yon majisyen ki te mele syans ak majik tradisyonèl la nan zafè lagè li :

Tradiksyon :
"Ekstrè nan lettres de Paris
nan dat 12 Janvye [1792].
Batiman yo rele le Solide la, kaptenn li Dumas, te kite Okap Franse nan 16 novanm [1791], epi li te rive nan Bòdo nan premye jounen mwa janvye, li te konfime tout detay ke nou te bay nan dènye atik nou yo, epi li te ajoute lòt detay ki te pi matchavèl ankò. 
(...)
Nèg Bouqueman an, sòlda Mesye Cambefort yo te touye li. Nèg sila te pi danjere ankò, akozke yo te konsidere l kòm yon majisyen, e li te mete yon kouraj djanm sou enfliyans sipèstisyon te bay li a." (40)
Geggus te okouran de yon vèsyon ki pi kout de atik sa, ki te pibliye nan lang angle, 2 jou pita, nan jounal English Chronicle and Universal Evening Post nan dat 14 janvye 1792 la. Vèsyon angle a, ki pa te gen konfimasyon kaptenn Dumas a, te mennen Geggus panse ke yo te pran Boukman pou Jeannot Bullet. (41) Men, nan fouye pi lwen, nou te rive pwouve ke kaptenn Dumas te aktyèlman nan Kap Franse depi nan mwa jen oswa jiye 1791. Kidonk, yonn a de mwa anvan levekanpe a te pete nan mwa dawou 1791. Anons klase sila, ki te parèt nan seksyon "Komès - Zafè lamarin", nan jounal Le Mercure Universel, nan madi 1ye mas 1791, pwouve ke batiman Le Solide la t ap chaje dènyè plas li nan vil Bòdo pou l te fè wout pou Kap Franse :

Tradiksyon :
"Batiman Le Solide la, ki Bòdo, kaptenn li, Msye Dumas, ap pati Okap nan pa anpil tan, e l ap pran pasaje toujou ki pral jwenn bon plas nan kabin li. Kontakte Mesye Loriague ak pi gran pitit gason li a, ki se propriyetè yo ; oswa Msye Clissié, koutye a." (42)
E kòm batiman Le Solide la te pran rout pou tounen Bòdo vè 10 oswa 16 Novanm 1791, kaptenn Dumas te temwen de twa mwa apre levekanpe a ki te tanmen 22 dawou 1791. Epitou, kaptenn an te temwen de lanmò Boukman, ki te rive nan 7 novanm 1791. Kidonk, kaptenn Dumas te ase enfòme pou l te ka valide enfòmasyon ke otè atik la te pran nan lòt sous ki te di li ke Boukman te an menm tan yon majisyen ak yon chèf rebèl. E pa gen okenn chans ke kaptenn Dumas te konfonn Boukman ak Jeannot. Paske bout tèt Boukman te ekspoze depi 7 novanm nan plas piblik Okap la. Kaptenn Dumas, ki te pran lanmè 16 novanm, te wè tèt la plizyè fwa nan chemen l, lè l ap ale nan waf Okap la.
Finalman, kolonèl Paul Aly (Pòl Aly), yon ansyen rebèl ki t ap viv nan tan Boukman, te prezante li kòm yon lidè relijye :
"Boukman te itilize enfliyans majik fetich tou." (Trad.) (43)
Nou dwe mansyone ke kolonèl Paul Aly, yon ansyen zanmi Tousen Louvèti, te rakonte istwa li bay istoryen Céligny Ardouin nan lane 1841. Lè sa, li t ap kòmande yon rejiman nan vil Santo Domingo, ki se kapital pati panyòl la. Temwayaj Paul Aly a kredib, paske msye te pase nan kan panyòl la ak vag premye rebèl yo. Epi, li te tou rete nan peyi sila. Kidonk, distans jewografik la te izole Paul Aly, te anpeche nouvo dekouvèt istorik ayisyen yo enfliyanse temwayaj li.

a) Èske Boukman te prezan nan reyinyon nan Mònrouj la??

Nan lannwit 17 dawou 1791, kaptif (esklav) rebèl yo te mete dife nan Lenbe, sou bitasyon Chabaud. Kèk arestasyon te swiv. Yonn nan sa k te mete dife yo te François alyas Dechaussée, ki te yon metis (grif) kòmandè sou bitasyon Chapotin. Yo te arete l le 20 dawou, epi, nan entewogasyon l, li te devwale yon reyinyon kaptif (esklav) te fè nan Mònrouj. Reyinyon sila te gen objektif pou detwi koloni an :
"Te gen nan dimanch 14 dawou, sou bitasyon Lenormand [Mézy], nan Mònrouj, yon gwo manman asanble moun nwa, ki fòme ak de manm nan tout atelye yo, ki te soti Pòmago, Lenbe, Lakil, Limonad, Laplèndinò, Katyemoren, Mònrouj, elatriye, elatriye. Reyinyon sa te fèt pou yo te ka chwazi jou levekanpe ke yo planifye depi lontan an. Yo te prèske dakò ke konplo a ta dwe kòmanse nan menm lannwit la ; men Nèg yo te fè bak sou desizyon sa, paske yo te panse ke yon pwojè ki te fèt nan yon apremidi pa t ap ka reyalize nan menm aswè a." (Trad.) (44)
Reyinyon nan Mònrouj sila vin pran non, kit se vre, kit se pa vre, Bwa Kayiman. E kòm Boukman ta dwe dirije yon sèvis ak sakrifis pou Lwa yo nan Mònrouj, sèvis sa vin pran non seremoni Bwa Kayiman. Men, vwalake yon dout te simaye sou prezans Boukman nan seremoni sila. Dout sa soti nan men kèk revizyonis oksidantal oswa patizan-kretyen k ap chèche diminye kontribisyon relijyon nan Revolisyon ayisyen an. N ap fè yo sonje ke mwens pase yon lane anvan reyinyon pou fè konplo nan 14 dawou 1791 la, ansanm ak levekanpe jeneral ki rive akoz de li, Boukman ak Barthélemy Roquefort te deja ap dirije ansanm yon gwoup ame. Gwoup ame sila te pou George Biassou. (45) Barthélemy Roquefort, ki te dirije gwoup ame sila ansanm ak Boukman, te vin, nan lane 1791, yon jeneral nan lame revolisyonè a. Biassou, ki te Wa gwoup ame a, te vin gen grad Vis-Wa lame revolisyonè a. Sa konfime ke gwoup ame sila ke otorite yo te fè rapò sou li nan dat 5 septanm 1790 la, t ap batay pou Revolisyon ki te gen pou vini an. Epi, yo te rekonèt Biassou tankou yon houngan, kidonk yon gran sèvitè zantray, sa vle di ke gwoup lame li a pa t fòme ak kaptif (esklav) mizilman. (Li atik ki rele "Boukman pa t chèf revolisyon ayisyen an", pou plis enfòmasyon sou relijyon lòt manm lame revolisyonè a.)
Epitou, Hérard-Dumesle, otè a ki, nan lane 1824 la te ekri sou "sèman" popilè Boukman an, te fè konnen ke chèf sila te prezan nan reyinon nan Mònrouj la, epi msye te menm jwe yon gwou wòl ladan l :


Tradiksyon :
 "Joseph Faviel vini apre Boukman, ki te pi gwo òganizatè reyinyon konplotay nan Mònrouj la." (46)
Anplis, jan nou te di a, nan lannwit 17 dawou 1791, ki se twa jou apre reyinyon nan Mònrouj la, rebèl yo te mete dife sou bitasyon Chabaud a. Pandan lannwit sa, yo te arete Jacques Cautant, ki se kòmandè nan bitasyon Desgrieux. E lè yo entèwoje Jacques Cautant, li te devwale reyinyon nan Mònrouj la, epi li te lonmen Boukman ak patnè li Barthélemy nan moun ki te mete dife a :
"Nou dwe retounen nan pawas Lenbe a, jedi 17 dawou sila, sekrè yo te revele... (...) Yon ti gwoup te deja mete dife nan yon depo bagas ; yo te kouri met deyò lè kolon an te parèt, e te blese yonn nan yo, ke li te fè prizonye. Sa l te kenbe a, te rele Jacques, se yonn nan kòmandè sou bitasyon akote a, bitasyon Desgrieux a, msye te fini pa devwale reyinyon 14 dawou a ansanm ak desizyon pou yo pati revòlt la. Leclerc te ale nan sit la, li te anrejistre konfesyon Jacques, ki te lage plizyè non ke nou te vin rejwenn : Barthélemy, Paul, Boukman, ak kèk lòt." (Trad.) (47)
Sa vle di, Jacques, ki te prezan nan Mònrouj, jouk li te rive temwaye de sa, te yon manm nan gwoup ame Boukman ak Barthélemy a. Yon gwoup ame ki t ap bay pwoblèm depi 1790, si se pa pi bonè. Anplis de sa, apade Barthélemy, Jacques te lonmen non Paul Blin tou. E Paul Blin te vin jeneral nan lame revolisyonè a. Kidonk, dife nan Lenbe a te limen pa moun ki te patisipe nan reyinyon nan Mònrouj la. E kòm Boukman te nan menm gwoup la, tankou kanmarad li yo, li ta dwe potekole nan reyinyon nan Mònrouj la. 
Men, intewogasyon Jacques Cautant an te aprann nou plis ankò :
"Yo te pase l anban entowagasyon, li te di ke tout kòmandè bitasyon, chofè, sèvitè ak konplis nan bitasyon toupre yo, ansanm ak sa ki nan katye ki pa twò lwen yo, te mare yon konplo pou yo mete dife nan bitasyon yo epi touye tout blan yo." (Trad.) (48)
Konsa, Boukman te merite patisipe nan reyinyon ke klas privilejye kaptif yo te fè a, paske li te yon chofè (49) menm jan ak Tousen Louvèti, ki te chofè sou bitasyon Bréda. Pwen sa regle. Li enposib pou Boukman pa t nan rankont nan Mònrouj la, kote yo ta pral chwazi dat levekanpe a. Levekanpe jeneral la ke li te travay depi 1790, nan pi ta, pou fè l rive.

5- Èske reyinyon 14 dawou nan Mònrouj la te sou baz relijyon?

François alyas Dechaussée, ki se yon kaptif (esklav) sou bitasyon Chapotin an, lè yo te entèwoje li, li te konfime ke konplo 14 dawou 1791 nan Mònrouj la, te okòmansman yon rasanbleman politik. Men se pa t Boukman, men yon milat yo rele Candy, ki te li yon fo jounal (ki te baze sou envansyon Tousen Louvèti a). Fo atik jounal pwopagann ki te li a, te anonse ke yon dekrè wayal te chache amelyore sò kaptif (esklav) yo, men ke otorite lokal yo, ki te kont-wayote, e ki te fè revolisyon franse a, te refize aplikasyon dekrè sila. Menm jan, anvan sa, yo pa t aplike dekrè wayal nan 3 desanm 1784 la, ak dekrè wayal 23 desanm 1785 la :
"Nwa ki te reyini yo te fè yon milat oswa katewon, ke li [Dechaussée] pa t rekonèt, li papye piblik yo [jounal] ki te anonse ke Wa a ansanm ak Asanble nasyonal la te bay twa jou [konje] pa semèn ; kolon blan yo te kanpe kont sa, e ke rebèl yo dwe tann rive twoup [ki dwe soti an Frans] ki pral fè kolon yo aplike dekrè a ; [li te di] ke se te opinyon pi fò nan yo, men kèk nwa nan kèk bitasyon nan Lakil [ki pwobableman te Boukman] ak Lenbe te vle vreman kòmanse lagè kont blan yo anvan rive twoup yo." (Trad.) (50)
Pou yo diminye tradisyon zantray Ayisyen an, revizyonis oksidantal yo te itilize detay nou mansyone la pou yo te fè konnen ke pa t gen okenn seremoni ki te fèt nan reyinyon nan Mònrouj la. Reyinyon sa ta dwe sèlman estratejik ak politik. Revizyonis oksidantal sa yo te fè dappiyan sou "Lapriyè" oswa "Sèman" Boukman an ke Hérard-Dumesle te mete deyò nan yon pwezi. Revizyonis yo pa konnen oswa yo fè sanblan pa konnen ke otè a [Hérard-Dumesle] te mansyone, kèk liy anvan li te pale de "sèman" an, ke yon sèvis zantray te sele plan politik la :


"Vè mitan [14] mwa dawou 1791, kiltivatè, manifaktirè ak atizan nan plizyè atelye te rankontre pandan lannwit la, nan mitan yon gwo tanpèt, nan yon rak bwa ki kouvri anwo tèt Mònrouj la, epi kote sila, yo te planifye yon gwo manman revòlt ke yo te beni ak yon seremoni relijye." (Trad.) (51)
Nou ka di ke politik ak relijyon te makònen pandan reyinyon nan Mònrouj la. Kidonk, nenpòt kiyès ki renmen remoulen "Lapriyè" oswa "Sèman" Boukman an, dwe aksepte rès tèks Hérard-Dumesle la ki pale de prezans yon sèvis Lwa tou. Nou pa ka gen yonn san lòt la.


a) Reyinyon 14 dawou 1791 la, èske li te islamik?

Kanta pou revizyonis mizilman yo, yo te anonse ke rasanbleman 14 dawou 1791 la se te pou selebre yon fèt mizilman yo rele 10 dhul'hija (kidonk, dat 10 nan mwa dhul'hija, nan lane 1205, nan kalandriye linè mizilman an). E se nan fèt sila ke mizilman yo dwe sakrifye yon mouton :
"Apadesa, dat seremoni sa, 14 dawou 1791 la, kote te gen arevwa ak yon sakrifis, koresponn ak 14 Dhou Al-Hijja 1205 nan epòk heje a (kalandriye linè mizilman yo), se dat dènye jou nan Fèt Sakrifis la (Aid-el-Adha oswa Aid-el-Kébir) : fèt sa, yo selebre l pou sonje sakrifis Bondye te mande Abraham.
Abraham te dwe touye pitit gason l, men nan dènye moman an Bondye te fè l ranplase pitit gason l pa yon mouton. Pandan "Fèt sakrifis" sa, fanmi mizilman yo touye yon mouton epi yo pataje li ant yo epi ak pòv yo. Li [fèt la] selebre 70 jou aprè jèn Ramadan an fini , epi li make ke pelerinaj ale nan Lamèk (Hajj) la fini.
Li dire kat jou, soti nan 10 rive nan 14 Dhou Al-Hijja, ki koresponn jisteman a lane 1791 nan jounen 10 a 14 dawou." (Trad.) (52)
Koze sila sanble bon. Eksepte ke, okontrè de sa revizyonis odasye sila te di, nan tradisyon mizilman an, sakrifis bèt chak ane a  pa t fèt  le 14 nan mwa dhul'hijja a. Li te fèt le 10 :
"Sakrifis nan Mina a, le 10 dhul'hijja. Sakrifis mizilman ki pi enpòtan an se sa ki fèt nan vil yo rele Mina a, nan Lamèk, nan dat 10 dhul'hijja, pandan pelerinaj la." (Trad.) (53)
Kidonk, si seremoni Bwa Kayiman nan Mònrouj la te gen yon kontni mizilman, sakrifis bèt la ta dwe fèt nan dat 10 dawou 1791 ki koresponn a 10 dhul'hijja 1205 nan kalandriye mizilman an. Dat 14 dawou 1791 la t ap twò ta. Paske, si 10 premye jou nan mwa mizilman dhul'hijja a ki pi sakre pou islam. (54) jounen 11, 12 ak 13 yo enpòtan tou. Epi yo rele jounen sa yo "jounen taskriq". "Jounen taskriq" sa yo rezève pou manje agogo nan fen jèn yo rele ramadan an. Sepandan, yo gen dwa pwolonje peryòd sakrifis bèt la jouk dènye jou taskriq la ki se le 13 :
"Jounen yo rele Tashriq yo se le 11, 12 ak 13 nan Dhoul Hidjdja. (...) Se lè kote yo gen dwa koupe kou bèt la pwolonje jouk fen dènye jou Tashriq la." (Trad.) (55)
Kidonk, dat 14 mwa dawou 1791 la te depase pwologasyon ki te pèmèt pou fè sakrifis la, ant le 11 rive le 13 dawou 1791 (ki se "jounen taskriq" yo). Konsa, lè rebèl yo te chwazi dat sila, li pa te gen ankenn koneksyon ak islam.
14 dawou 1791, te yon bon dat pou fè reyinyon an pou rezon sa yo :
1- Se te yon dimanch, kidonk yon jou konje, yon jou ke jeneralman kaptif yo te genyen pou yo te ka fè kèk reyinyon ki pa twò gwo. (56) 2- Anplis de sa, 14 dawou nan lane sila te yon jou fèt tou. Se te dimanch ki te pi pre fèt katolik Notredam Delasonpsyon (15 dawou). Notredam Delasonpsyon (oswa Notredam Dawou) te reprezante anpil bagay nan Sendomeng : a) Li te sen patwon koloni Sendomeng la. (57) b) Li te sen patwon lavil Okap Franse, (58) ki te kapital koloni an, e Okap Franse pa t twò lwen Mònrouj. c) Anplisdesa, dimanch 14 dawou 1791 sila te jounen lavèy 121yèm anivèsè lavil Okap Franse ki te fonde le 15 dawou 1670. Konsa, grandè dat fèt sila nan Nò a te pèmèt ke reyinyon nan Mònrouj la pa t fèt ansekrè. Li te menm fèt nan gran lajounen, kontrèman a sa tout moun ap di :
"Reyinyon an limenm pa t sekrè. Kolon yo te bay rapò pita de "pretèks yon manje", yon "gwo lamanjay" ke esklav yo te gen otorizasyon ale ladan l." (Trad.) (59)
Klas elit kaptif (esklav) yo, ki te gen anpil privilèj konpare a ansanm popilasyon kaptif la, te jwenn pèmisyon pou l te fè yon gwo reyinyon, "yon manje" sou bitasyon Lenormand Mésy a. Tèm "manje" a toujou itilize nan Ayiti (manje Lwa, manje yanm, elatriye) pou di sèvis nan relijyon zantray la. Natirèlman, kòmandè bitasyon sa yo, chofè sa yo, ak domestik sa yo, te pwofite de reyinyon an pou yo te planifye destriksyon koloni a. Epi, pou yo te asire yo de siksè konplo a, yo te fè yon sèvis relijye ki te gen yon sakrifis bèt ladan l. Pou sakrifis sila ta va mizilman, bèt pou sakrifye a ta dwe depreferans yon mouton koulè blan. Konsa, yo ta va repete sakrifis Abraham ki te touye yon mouton olye de pitit gason li.
Men, se pa t yon mouton yo te sakrifye nan 14 dawou nan Mònrouj, ni se pa t yon kochon, ni se pa t menm yon moun, tankou kèk tèt cho panse. Anfèt, se te yon towo yo te sakrifye. Dapre Hérard-Dumesle, yon oratè tradisyonalis te sakrifye yon towo nwa ke yo te ofri bay Lwa/Jany yo. Oratè sila te ka byen te Boukman, "ki te pi gwo òganizatè reyinyon konplotay nan Mònrouj la." :



(...)
(...)


(...)
(...)
Tradiksyon :
"Èske Latik [kote nan Lagrès ki te gen anpil espri] te transmèt adorasyon li ak lizaj li yo
Bay pitit plaj lwen sa yo ki malere... 
Men, yon towo bèf te parèt, ak koulè nwa li sa, 
Aparèy fineray sila ak lyann flè li yo
Se pou yon sakrifis ke yo ofri ak inosans 
Pou divinite sila ke boubout li se Lespwa.

Nan mitan moun yo, yon oratè te kanpe ; 
Li gen travay rèspètab ki se fè sakrifis la.
Ame ak yon fè sakre, bra li ale sou viktim nan 
Li te bay kou fatal la, ak fòs djanm ki te monte l la.
(...)
Li pale ; nan langaj sila zansèt nou yo renmen anpil la, 
Langaj tifi sa te sanble fèt jis pou yo. 
Ak aksan nayif langaj sa, ki se penti nanm yo, 
Yo te pase plis lwil sakre sou diskou flanm dife sila,

Li te bay kè yo kouran ak yon nouvo transpò :
"Bondye sila ki limen flanbo a ak solèy la,
Ki brase lanmè yo epi fè loray gronde,
Bondye sa, pa gen dout sou sa, ki kache nan yon nwaj
Ap kontanple peyi sa, li wè krim blan yo ap fè ;
Pratik relijyon yo mande krim, pa nou mande aji byen ;
Men, bonte sipwèm an òdone nou tire revanj
Epi l ap gide bra nou ; ak èd solid li a,
Annou pase anba pye idòl afwe sila ki swaf dlo nan je nou.

Bon jan Libète! vini... pale nan tout kè"...

Orak [houngan oswa manbo ki wè lavni] la te pale. Flanm dife tou rouj la
Te vole nan yon toubiyon nan direksyon vout syèl klere a,
(...)
 Yo ofri viktim nan bay lwa vanjans la ; 
E ke lwa liberatè a te vin akeyi.
(...)
 Entèprèt lwa yo eksplike volonte yo ; 
Tout bagay te pirifye nan men relijye li yo." (Trad.) (60)
Istwa Hérard-Dumesle te ekri a, e ke istoryen yo renmen repete kèk moso ladan l, pandan ke yo pe lòt moso yo, te fè nou konnen ke reyinyon nan Mònrouj la te gen yon pati relijyon ladan l. Diskou ke yo te pwononse ladan l an, e ke yo asosye pi fò tan ak Boukman, akozde erè nan entèpretasyon Victor Schoelcher te fè an 1843, (61) te rive imedyatman apre yo te bay bèt yo sakrifye a kou fatal la. Sa vle di ke se pa t moun ki te fè sakrifis la, men se te yon Jany oswa Lwa, ki te antre nan kò houngan an (swa Boukman, swa yon lòt), ki te pale "nan langaj sila zansèt nou yo renmen anpil la".
Etandone ke tan an te ansyen anpil, epi yo te sèvi yon dal kantite Lwa nan tan sa, pèsonn pa ka, san prèv ekri, di ak sètitid idantite Lwa ki te fè sakrifis la. Sepandan, rit yo te itilize a pi fasil pou idantifye. Byenke nan rityèl (modèn) nan Nò a, rit yo melanje, epi yo pa gen demakasyon klè ke yo jwenn nan Lwès, Sant ak nan Sid la.
Nou sipoze ke rit yo te deja melanje nan Nò a nan lane 1791. Sèl pou dans kalanda ke nou te jwenn yon egzanp kote manm nan yon nanchon te anpeche moun nan yon lòt nanchon patisipe dans li. Men bagay sa te pase nan rejyon santral la (Latibonit). (62) E rejyon sila, jouk jounen jodiya, gen plizyè lakou zantray ki kanpe sou baz etnik (nanchon) : (Nan Soukri (Kongo), Nan Souvnans (Rada, Arada oswa Dawomen), Nan Badjo (Nago/Yorouba ki soti nan peyi Nijerya ak Benen).
Konsa, nou kwè ke sakrifis towo nwa nan dimanch 14 dawou 1791 la koresponn ak rit Nago oswan Annago a. Annago (ki se jan yo te rele manm nan gwoup etnik Yoruba a nan peyi Benen) se yon rit militè anba lidèchip Ogoun, Jany oswa Lwa nan lagè a.
Fò nou di tou, ke gen anpil chans ke yon Jany oswa Lwa nan rit Nago a (Chango, Ogoun, oswa yon lòt) te sakrifye towo bèf la, epi, li te fè diskou lagè a nan non Oloroun (Olorun) ki se Kreyatè a. Non Kreyatè a pa Oloroum, jan kèk tradisyonalis pran simaye li. Non li se pito Oloroun nan Olorun Oludumare Oduduwa (Oloroun Oloudoumare Odoudouwa), ki se Orisha (Oricha, ki vle di Lwa) ki pi wo (nan nivo syèl la) nan tradisyon Yoruba/Nago (Yorouba-Nago) a. Men, si Ayisyen yo pa rele Divinite yo "Oricha", jan Yorouba/Nago yo te konn fè l, sa pa vle di yo te lage rasin Nago yo. Paske, nan plas "Oricha", Ayisyen yo itilize mo "Lwa" a, ki soti nan "Oluwa" (Olouwa)", ki se yon mo Yorouba/Nago ki vle di "Senyè". Epitou, mo "Oricha" a toujou rete nan rityèl la. Paske Olicha se yon Lwa Nago.

b)  E sakrifis kochon nwa a ki te sipoze pase 14 dawou 1791 nan Mònrouj la?  

Hérard-Dumesle, nan menm tèks li a, te pale de yon dezyèm reyinyon ki te fèt yon lòt kote, yon semèn pita. E se te nan dezyèm reyinyon Bwa Kayiman sila, pou n pale ak plis presizyon, ke yo te sakrifye yon kochon. Sepandan, 2 reyinyon konplemantè sa yo merite yo rele yo "Bwa Kayiman".  Paske, yo te 2 bout nan menm seremoni an ki te fèt an 2 pati, jan estrikti tradisyon zansèt la fèt an doub.



6- Èske "sèman" Boukman an otantik?

Nan dappiyan istorik yo, revizyonis nan tout kalite relijyon te chèche mèt lapat sou "sèman" oswa "lapriyè" Boukman an, ki se yon diskou ki bay libète, e ki ta sipoze pase nan Mònrouj. Kèk nan revizyonis sa yo menm konsidere "sèman" an kòm yon tèks sakre. Men, èske "sèman" sila otantik?  
Repons la se non, nan kèk zonn. Epi wi, nan lòt.
a) Pou kòmanse, "sèman" n ap pale de li a se yon powèm. Li evidan ke pa gen moun ki pale ak vè pwezi, nan lavi. Sòf si moun sa yo t ap li yon ekriti. Men se pa t ka a nan Mònrouj. Paske, dapre deklarasyon temwen yo, se te sèlman atik nan jounal ke yo te li. Men se pa t moun ki te fè safrifis la, men yon lòt moun, ki te li jounal la. Rès pawòl ki te soti nan reyinyon an, te fè nan bouch.
b) Nan nivo lengwistik, "sèman" sila, jan li te parèt nan liv Hérard-Dumesle la, pa t yon kopi egzak de diskou ki te fèt nan Mònrouj la. Otè a, Hérard-Dumesle, te prezante powèm li a nan sans sa, nan lang Franse :


Électrisa les cœurs par un transport nouveau :
"Ce Dieu qui du soleil alluma le flambeau,
Qui soulève les mers et fait gronder l'orage,
Ce Dieu, n'en doutez pas, caché dans un nuage
Contemple ce pays, voit des blancs les forfaits;
Leur culte engage au crime, et le nôtre aux bienfaits ;
Mais la bonté suprême ordonne la vengeance
Et guidera nos bras ; forts de son assistance,
Foulons aux pieds l'idole avide de nos pleurs.

Puissante Liberté ! viens.... parle à tous les cœurs"...
Epi, anba paj la, Hérard-Dumesle te bay yon vèsyon kreyòl de pwezi yo rele "sèman" an. Men kreyòl ke otè a, antanke moun Tòbek (ki se yon komin toupre Okay, nan depatman Sid la), te ilize a, se te yon kreyòl nan Sid. Kreyòl nan Sid li a, pa t gen menm gramè ak kreyòl ki te pale nan Nò Sendomeng nan lane 1791 :

 
 (*) Me sans revelasyon an nan lang ke li te prononse a :
Bondié qui fait soleil, qui clairé nous en haut,
Qui soulevé la mer, qui fait grondé l’orage,
Bon dié la, zot tandé? caché dans youn nuage,
Et la li gadé nous, li vouai tout ça blancs faits !
Bon dié blancs mandé crime, et part nous vlé bienfaits
mais dié là qui si bon, ordonnin nous vengeance ;
Li va conduit bras nous, la ba nous assistance,
Jetté portrait dié blancs qui soif dlo dans gié nous,
Couté la liberté li palé cœurs nous toùs. (63)

Pou ke "sèman" pwezi Hérard-Dumesle la ta mache ak Kreyòl yo te pale nan Nò Sendomeng nan lane 1791, fò li ta gen fòm sila :


Bondié qui fait soleil, qui clairé nous en haut,
Qui soulevé la mer, qui fait grondé l’orage,
Bon dié la, zot tandé? caché dans youn nuage,
Et la li gadé nous, li vouai tout ça blancs faits !
Bon dié à blancs mandé crime, et quien à nous vlé bienfaits
mais dié là qui si bon, ordonnin nous vengeance ;
Li va conduit bras à nous, la ba nous assistance,
Jetté portrait à dié à blancs qui soif dlo dans gié à nous,
Couté la liberté li palé dans cœurs à nous toùs.

Nou remake ke tèks an fransè otè a diferan anpil de tèks li te tradwi an kreyòl la. Men poutan, majorite istoryen yo tradwi tèks an kreyòl la, ki popilè anpil, nan lang franse, san yo pa t konsilte tèks orijinal la ki te deja nan lang franse
N ap kore agiman nou ak tèks sila ke Comte Vaublanc, ki t ap viv nan tan Boukman, te ekri. Li te bay enfòmasyon sou kijan kaptif (esklav) nan Nòdès (ak nan Nò) Sendomeng te rele relijyon blan, nan lang kreyòl
Tradiksyon :
 "Yo te rele losti sen an Bondye a blan." (64)
Vreman vre "Bondye a blan" mache gramatikalman ak kreyòl nan Nò ak Nòdès la, pandan ke "Bondye blan" mache ak kreyòl nan rès Sendomeng/Ayiti. Men konnya la, lefèke yo te bay Bondye yon ras nan Sendomeng, pote anpil kredibilite bay tèks Hérard-Dumesle la. Nan opinyon nou, ant 1823-1824, otè a te ale nan Nò Ayiti ki te fèk sòt reyini ak rès peyi a. Epi, apre sa, li te transkri nan pwezi, nannan temwayaj li te jwenn sou teren an, ki te pale de diskou ak sakrifis ki te fèt nan Mònrouj. Kidonk, yo te fè yon diskou ki gen menm sans ak sa yo rele "sèman" an. E moun oswa Lwa ki te eksprime diskou sa, se limenm ki te sakrifye towo bèf la nan Mònrouj. Anplis de sa, moun ki t ap viv nan tan Hérard-Dumesle te rekonèt kokennchenn memwa li :
"Msye Dumesle (Hérard) te fèt nan komin Tòbèk, le 16 jen 1784. Li se pitit yon milat ak yon nwa, sa vle di li se yon grif, li te fè yon non, nan bawo a, nan laprès ak nan ekriti. Li te gen kòm don yon kokennchenn memwa, tèt li se tout yon ansiklopedi." (Trad.) (65)
c) Si premye pati nan "sèman" an te di toutbonvre, men ak lòt mo, li pa t menm jan pou dènye pati a. Dènye fraz la "Puissante Liberté! viens... parle à tous les coeurs" ("Libète manch long… Vin... pale ak tout kè yo"), Hérard-Dumesle te pran l nan yon diskou popilè ke Jacques Brissot de Warville te fè. Jacques Brissot de Warville te yon abolisyonis konsekan epi yon manm Asanble Nasyonal la. Msye, depi 1ye desanm 1791, nan Asanble Nasyonal la, te asosye kè moun nwa ak son lalibète

"Malgre touman doub de esklavaj li, ansanm ak gade libète lòt moun, esklav nan Sendomeng la te trankil jouk ajitasyon ki sòt pase yo, menm nan mitan lese frape vyolan ki te souke zile nou yo ; toupatou, li te tande ti mo majik yo rele libète a, kè li te kontan, paske kè moun nwa a bat tou pou libète ; e menmsi sa, li te pè. Li te kontinye pote chenn pou de lane edemi, san l pa t panse kase chenn an ; epi, si li te souke yo, se akozde zak nonm tchak yo ke w pral aprann konnen." (Trad.) (66)
2 jou apre, Brissot te reasosye kè moun nwa ak libète, nan yon diskou li te fè nan 3 desanm 1791 :
"Klas ki pi anba a, se klas esklav yo. Mwen p ap esplike touman doub ki se esklavaj ak sovajri. Moun nwa a te tande mo majik ki se libète, epi kè l te kontan : paske kè moun nwa a bat pou libète. (Yo bat bravo.) Ebyen, esklav la te rete dosil anba chenn, epi li pa t ap chèche kase chenn an, si se pa t akozde pwovokasyon nonm tchak yo ke w pral aprann konnen." (Trad.) (67) 
Hérard-Dumesle te di, nan menm liv li a, ke li t ap li swiv mak pye Brissot :
"Brissot, ak gran palèr ki pi popilè nan Asanble lejislatif pèp franse a, te inisye nou sou mistè rejenerasyon an ; e, lè sou estrad la, yo te montre rapò ki konekte nou a prensip nou te jwenn yo, nou bay travay nou lonè, lè nou fè zak ki gen devosyon ewoyik." (Trad.) (68)
Nou dwe konkli ke ekriti powetik Hérard-Dumesle la te konsève sans deklarasyon ki te fèt nan reyinyon nan Mònrouj la. Paske, msye te ale nan Nò Ayiti, ki te apèn reyini ak pati Lwès ak Sid la. Epi msye te kolekte temwayaj moun nan zonn an, apèn trant lane apre Bwa Kayiman. Kanta pou seremoni relijye a, Hérard-Dumesle te pwobableman chwazi pwezi pou li te pale de li ak anpil libète. E pwiske Hérard-Dumesle pat prezan nan seremoni a, e ke enfòmatè li a (oswa enfòmatè li yo) te ka, swa pa t prezan, oswa pa vle pale anpil sou zafè Lwa, pwezi ansanm ak mitoloji grèk te pèmèt Hérard-Dumesle ranpli twou nan istwa a. Anplis, Hérard-Dumesle te pi abitye ak mitoloji grèk. E zafè grèk olye de yon sèvis Lwa "Afriken", te pase pi byen nan bagann lektè oksidantal yo oswa lektè k ap pran pòz oksidantal yo, ki ta pral li liv Hérard-Dumesle la. 
Fò nou konnen tou ke nan 1819, kidonk 5 lane anvan piblikasyon liv Hérard Dumesle la, blan franse Antoine Métral te deja pibliye yon diskou ke yon moun ki te fè yon sakrifis nan Mònrouj te di.++++ Nou kwè ke diskou long Antoine Métral te retransmèt la te fo, sitou paske li te prezante libète jeneral ansanm ak endepandans kòm objektif konplotè nan Mònrouj yo. Sepandan, nou konnen ke nan premye etap sila, demann rebèl yo te sèlman 3 jou konje pa semèn, epi pou yo sispann bat yo ak kout frèt.


7- Èske te gen kayiman nan Mònrouj ?

Yon lòt deklarasyon revizyonis islamik yo fè konnen ke pa t gen ankenn kayiman nan Mònrouj. Se poutèt sa, "Bwa Kayiman" ta dwe vin "Bwa Kay Iman", ki se kote yon sèten "Iman" oswa "Iman" te rete. (69) Nou te pwouve jan agiman sa enposib nan atik nou an ki rele : ""Kay + Iman" nan kreyòl nan Nò". San nou pa rete twòp sou sa, n ap prezante anatomi (kidonk kò) kayiman ki t ap viv nan Sendomeng, jan natiralis M. E. Descourtilz te desine l. E anplisdesa, natiralis la te diseke (kidonk, li te louvri kò) yon dal kayiman ; e sa, nan lane 1800, kidonk prèske yon deseni apre Bwa Kayiman ak lanmò Boukman :
"Mwen byen tcheke, sonde, etidye fent, mannyè ak nati Kwokodil Sendomeng la, ke yo rele nan zile sa Kayiman. (...) Nan Sendomeng, mwen te fini anatomi konpare Kayiman zile sa, nan lane 1800." (Trad.) (70)
(Kayiman ki Sezi.) (Trad.)

(Kayiman vizyon anba vant li. Figi I. Eskelèt li. Figi II.) (Trad.)

(Trip Kwokodil Sendomeng la. Vizyon devan ak dèyè.) (Trad.)

(Anatomi lang, larenks [lalwèt] ak Trache Atèr Kayiman an.) (Trad.)

(Ze Kayiman. Pozisyon Tibebe Pandan enkibasyon li [kidonk, lè kò l ap fòme]. Lè l ap Soti nan Ze a.) (Trad.)


(TABLO KONPAREZYON sou diferans ki genyen nan konfòmasyon ant Reptil ke konfonn anpil,
yonn nan yo ke yo pako dekri. 
[2yèm kolòn] KWOKODIL SENDOMENG LA, Ke yo rele kayiman.)
Sous : M. E. Descourtilz. Voyages d’un naturaliste et ses observations... Tome 3, Paris, 1809.


Konsa, kontrèman ak aparans, koloni Sendomeng la te gen kayiman ki te bay enspirasyon pou lonmen non kèk kote. Anplis, malgre tout debwazman sovaj, Ayiti toujou gen kayiman nan plizyè depatman. Sepandan, nou pa deklare ke gen, oswa ke te janm gen kayiman, nan Mònrouj. Men, nou pa ka voye posiblite sa jete kategorikman, jan revizyonis yo fè l la, akozke Mònrouj chita nan Labe Lakil (ak Labe Alen), e ke kayiman se anfibyen (kidonk bèt ki viv nan dlo ak nan tè fèm).


(Plan yon batri ak yon retranchman ki fèt Labe Lakil la pou anpeche bato antre. Òdone le 8 avril epi li te fini le 20 Me. Poliart (desinatè, enjenyè), 20 Me 1748.)
Sous : FR ANOM 15DFC426C

Agiman nou se sa : ke yo vle l ou pa, kayiman te yon pati nan lafòn (kidonk lis zannimo) Sendomeng la. Vreman vre, li pa enpòtan si te genyen ou si t ap genyen kayiman nan Mònrouj, paske Hérard-Dumesle te enfòme nou ke konplotè yo te fè yon dezyèm seremoni politik-relijye pa twò lwen de la.


8- Rasanble nan 21 dawou 1791 la, ak sakrifis kochon an

Sèvis relijye nan 14 dawou 1791 la, nan nivo teknik (litijikal), te fèt sou yon rit Nago oswa Annago. Men li reprezante Rada, oswa Vodou, nan lang moun nan lè a. E li te pwemye mwatye nan relijyon zantray la ki melanje 2 pati ansanm. Pou yo te konfòme yo ak maryaj rit Rada-Nago ak rit Petro/Lenmba, yon dezyèm sèvis Lwa, oswa dans, te dwe swiv. Dapre tèks Hérard-Dumesle la, dezyèm reyinyon sa te fèt nan jounen lavèy kòmansman levekanpe jeneral la (22 dawou), kidonk, nan dimanch 21 dawou 1791 :


(...)
 
Tradiksyon :
"Pa lwen kote sa [Mònrouj] yon lòt rasanbleman te ofri divinite yo [opliryèl, kidonk yon bagay islam entèdi] yon nouvo sakrifis : la, yo te touye yon kochon [islam entèdi sa], epi yon jenn vyèj te Pythie a [kidonk yon pretrès, islam entèdi sa tou] 
(...) 
Nan denmen, li te prèt pou minwi (22-23 dawou), lè klòch la te bay siyal kraze brize a. Revòlt la te pete ak yon si tèlman kòlè, ke li ofri spektak ki te pi tris la. Konplotè yo, ki te rasanble nan plenn nan, te gaye an bann, epi yo te blayi lespri ki te mache avè yo toupatou : laperèz te tabli menm anvan yo rive, destriksyon te vini apre, epi li te kite dèyè l tras fatal pasaj yo. Libète, tire revanj, se sa ki te rèl rasanbleman yo : se pou divinite yo ke yo te fè sakrifye yo." (Trad.) (71)
Dezyèm seremoni sila, kote "yo te touye yon kochon" an, pa t rive nan Mònrouj, men "pa lwen kote sa", yon semèn pita. Kolonèl Paul Aly te nan kòmansman konfizyon istorik la. Apre kèk tan, memwa l te gen fay ladan l. Nan temwayaj li bay Céligny Ardouin a, li te konfonn sakrifis kochon, ke yon manbo (fi) te fè nan rasanbleman 21 dawou a, ak reyinyon 14 dawou nan Mònrouj la, kote se te yon towo bèf ke yon houngan (gason) te sakrifye.
Revelasyon Hérard-Dumesle la deja rache chouk fo diskou revizyonis yo ki te baze tout agiman yo sou yon swadizan kay Boukman nan Mònrouj, ak sou reyinyon konplotè yo te fè 14 dawou a, sou bitasyon Lenormand de Mésy a. Men, jan nou te wè a, Boukman pa t janm viv nan plas sa, men li te viv nan Lenbe ak Lakildinò. Anplis, nan islam, fèt pou sakrifis bèt la fete sèlman yon fwa chak ane. Pa de fwa, pa 3, ni 4 fwa. Jis yon sèl fwa. Konsa, lefèke yo te fè dezyèm sèvis Lwa ak sakrifis la 7 jou pita, otomatikman mete rebèl yo andeyò reyalite islamik la. Anplis de sa, Hérard-Dumesle te pale de wòl enpòtan "yon jenn fi ki tifi", yon manbo, te jwe nan sakrifis kochon an. Jèn prètès oswa Manbo sila, se te Cécile Attiman Coidavid, ke yo lonmen Cécile Fatiman, nan pa konprann. Nan 1887, li te mouri nan bèl laj de 112 lane. Sa vle di ke li te fèt nan 1775, e ke li te gen 16 zan sèlman an 1791, lè li te patisipe nan sakrifis kochon an. Apade kochon an, ki se yon bèt islam entèdi, prezans yon fanm, ki se Manbo Cécile, ale kont lafwa mizilman an ki pa pèmèt yon fanm fè yon sakrifis rityèl.

a) Eske se yon kochon yo te sakrifye toutbonvre ?

Nan lane 1993, te parèt La Légende des Loa du Vodou Haïtien, ki se yon liv fantezi (kidonk ki pa syantifik) ke Déita te ekri. Otè sila te ekri ke pandan seremoni Bwa Kayiman an, yo ta pral "sakrifye kochon an pou Ogoun Feray." (Trad.) (72) Men, ke yon kaptif (esklav) mawon (kidonk, ki te sove), yo rele Jean-Baptiste Vixamar Legrand, te ofri tèt li kòm ofrann olye de kochon an. E ke depi lè sa, li te vin tounen yon Lwa Gad oswa yon Lwa pwotektè nan yon sosyete sekrè Bizango :
""Istwa, nan mannyè òdinè li, te ekri seremoni Bwa Kayiman an. Sila yo ki ekri istwa a pa te gen ankenn enterè nan bay enfòmasyon yo nan otantisite yo. Li ta fè eskandal, si yo te fè konnen ke gason ak fanm, pitit blan, te bwè san nèg nwa, "kochon san pwèl" sila. Pou n fè kout ! se mwen menm Jean-Baptiste Vixamar Legrand, nonm ki te sakrifye tèt li pa pwòp volonte l. Ankenn enfliyans deyò pa t fòse m fè sa. Mwen te bay tèt mwen akozde lanmou m pou Libète, se san m ki te distribiye, e ke moun nwa lib ak milat yo te bwè, ansanm ak esklav tou, nan lannwit 14 dawou 1791 la, nan gwòt (twou wòch) Bwa Kayiman an. Boukman ki t ap dirije sèvis la ka temwaye... Mwen te mete kochon ak pwèl la akote, epi mwen te tounen moun yo te sakrifye a, kochon san pwèl la. Li pe..."
Mwen te fèk dekouvri siyifikasyon mo chanpwèl la." (Trad.) (73)
Déita te kòmanse koleboyo istorik li a ak pawòl sa yo : "Sila yo ki ekri istwa a pa te gen ankenn enterè nan bay enfòmasyon yo nan otantisite yo". Apresa, li te krache sou kokennchen travay istoryen ayisyen tankou Thomas Madiou, Céligny ak Beaubrun Ardouin, Hérard-Dumesle, Baron de Vastey, elatriye, lè li te di anba chal ke "blan" te ekri istwa dayiti.  Sa se yon teknik manipilasyon ki simayen lakay fo istoryen yo, ki chaje ak parès. Epi, kòm yo pa gen anyen reyèl, yo dwe kòmanse pawòl yo pa desann figi done istorik ki chita sou prèv moun ka wè. Yon fwa desann figi a tabli, lektè oswa oditè nwa a, ki jeneralman kwè nan moun nan konfòmis, pare pou aksepte menm radotaj ki pi pa fè sans la. Paske liv Déita a, ki enteresan antanke yon travay fiktiv, chaje ak erè istorik ak litijik. Pa egzanp, otè a di ke Boukman te viv sou "Bitasyon Turpin nan Odikap", (Trad.) (74) lè an reyalite, bitasyon sa te Lenbe. Menm jan tou, otè a te fè konnen ke yo te sakrifye kochon an an lonè Lwa Ogoun Feray. Sepandan, menm pi gwo novis la konnen ke Ogoun Feray pa resevwa kochon kòm ofrann. Epitou, oratè nan istwa li a te twonpe l de dat ak kote, piske yo te sakrifye yon towo bèf nan Mònrouj, nan 14 dawou 1791 la. E se pa t yon kochon. Epi, otè a deklare ke :
"Istwa sa te rakonte nan lang franse pandan yon seremoni Bizango, oratè a [kidonk, moun ki t ap pale a] te pale nan twazyèm pèsonn [kidonk, li te pale de tèt li tankou yon lòt moun]. Nou te adapte istwa a nan premye pèsonn. [kidonk, moun nan pale de tèt li nòmalman]." (Trad.) (75)
Sepandan, kòm Déita te vin di apre ke li pa t inisye, sa vle di ke li pa t ale nan seremoni sosyete sekrè li te pale de li a. (76) Sa vle di, istwa li te rakonte a, se sèlman rakonta. Se bagay yon moun ki rete anonim te di li konsèman pawòl ki ta sipoze soti nan bouch yon Lespri yo rele Jean-Baptiste Vixamar Legrand.
Apre yon sèten tan, entèlektyèl ayisyen ki gen renome, e ki soti nan tout orizon, te reprann, epi yo te valide lejann iben "kòchon san pwèl" la :  
  • 2000 - Réginald Crosley (Doktè) te site Jean-Baptiste Vixamar Legrand ak liv san referans Déita a kòm si li te yon travay syantifik. (77) 
  • 2005 - Claudine Michel (Pwofesè) mete Jean-Baptiste Vixamar, pèsonaj fiktiv la, nan menm nivo ak Tousen Louvèti, Desalin, Kristòf ak lòt ewo endepandans Ayiti a. (78)
  • 2006 - Jean-Bertrand Aristide (Ansyen prezidan ak prèt) nan tèz doktora li a, ki pa bay ankenn referans sou Ayiti, te konpare Jean-Baptiste Vixamar Legrand, rakonta Déita a, ak Jezikri. (79)
  • 2006 - Max Beauvoir (Houngan, Ati, biyochimis) pretann ke Boukman te gen yon ason (yon enstriman sakre) nan Bwa Kayiman, (80) pandan ke ason pa itilize nan tradisyon zantray nan Nò a, kote seremoni yo rele Bwa Kayiman an te fèt. Yon lane pita, nan 2007, Max Beauvoir te konpare Jean-Baptiste Vixamar Legrand ak Sen Jan Batis epi ak Jezikri. (81)
  • 2009 - Emmanuel Félix Jr. (Avoka, Evangelis) nan gwo ponyèt, te rele Boukman "Jean-Baptiste Dutty Boukman", (82) petèt ke se te nan referans ak Jean-Baptiste Vixamar Legrand.
  • 2011 - Euvonie Georges Auguste (Manbo) te ajoute ke pa te janm gen kochon (mawon) nan Bwa Kayiman ak nan zonn nan. Epi, manmzèl te fè de Jean Baptiste Vixamar, yon kaptif (esklav) mawon, yon "kochon mawon" (Trad.) (83). 
Olye nou deside nan prese, tankou fo istoryen ayisyen sa yo, nou pral analize seryezman sa "kòchon san pwèl" vle di nan kilti ayisyen an :
  1. Nan nivo etimolojik : Diksyonè Ayisyen-Franse a te defini "Sanpwèl" (san pwal) ak lòt mo ki soti nan li, "Chanpwèl", nan fason sila : "Sanpwèl, chanpwèl n. yon èt ki mache lannwi ki gen pouvwa malefik." ; "Chanpwèl n. majisyen mechan, malfektè, manm yon sosyete sekrè." (Trad.) (84)
  2. Nan nivo litijik (kidonk jan yo fè sèvis relijyon), "Chanpwèl" yo deyò relijyon tradisyonèl la. Yo eskli paske yo manm nan "Sèk wouj" yo ke yo konsidere, pa tankou ewo, men kòm yon bann trèt : "Inisye voudoo yo ki rete nan tradisyon pir la [Ginen an], rele inisye ki soti ladan l  CABRITT'THOMAZO [Kabrit Tomazo]. Kabrit Thomazo yo se trèt yo ye... (...) yo se manm klasik sèk wouj yo oswa "sèk kriminèl" yo : ki fè san moun koule, kòm losti, men se pa (tankou moun mal enfòme yo kwè) pou plezi touye. (...) Rezon an montre yon chire pit relijye, ou pito yon divizyon nan konsèp relijyon ke manm sèk ki pou sakrifis san moun yo rete tache a li." (Trad.) (85)
  3. Nan nivo istorik, nan kesyonnen kaptif (esklav) ki te enplike yo, li te soti ke pandan dezyèm reyinyon Bwa Kayiman an, yo te safrifye yon kochon nwa, epi yo te kolekte pwal li pou yo te fè yon pwoteksyon majik (wanga) : "Yon kochon konplètman nwa, ki te antoure ak fetich, te chaje ak ofrann dwòl pase sa w pa konnen, bèt sa te sèvi kòm ofrann pou jeni [lespri] toupwisan ras nwa a. Seremoni relijye ke nwa yo pratike lè yo t ap koupe gòj li, anprèsman yo te gen nan bwè san li, jefò yo te fè pou yo te jwenn kèk nan pwal li, pou yo te fè yon sòt de talisman [pwoteksyon majik] ki, dapre yo, te ka rann yo envensib, sèvi pou montre karaktè Afriken an. Li natirèl ke yon ras moun ki si tèlman sòt ak ti figi te kòmanse atak ki pi terifyan yo a ak rit sipèstisyon yon relijyon san lojik epi sanginè." (Trad.) (86)
  4. Nan nivo litijik (kidonk, jan yo pratike relijyon), pratik kolekte pwal kochon an, oswa tout lòt bagay pou bay pwoteksyon majik, fè pati de domèn relijye "Afriken" an toutbonvre. Pou etni Louba (Luba) oswa Balouba ki soti nan peyi Kongo, fòm de pwoteksyon sa rele Bingalù (Bingalou). Sa vle di "donte li" Binga (donte) + lù (li). (87) Yon Bingalù, te yon bagay ke yon rebèl ta byen renmen genyen nan jounen anvan li pral fè lagè nan Sendomeng : "Annou pran yon lòt fenomèn etranj ki enplike espirityalite de konesans [Kongo] a... Bingalù. Sa vle di, devan yon danje. Devan yon danje ki gen pou rive, yo ba w yon bagay. Yo ba w yon ti fèy ke ou toujou pote sou wou. Epi, lè w bab pou bab ak yon danje... (...) Se konsa ke w fè pou pwoteje tèt ou kont jan de danje sa yo. Yo rele li bingalù." (Trad.) (88)
  5. Malgre ke apwòch yo pa gen sans, revizyonis yo ensiste pou di ke se te Jean-Baptiste Vixamar Legrand, yon moun, ki te safrifye tèt li, e ke akoz de sa, vin gen tèm "kòchon san pwèl" la. Dapre lojik yo, "kòchon San Pwèl" ta dwe sinonim ak "Kòchon Nwa", paske swadizan ewo yo a, menmsi li pa t gen yon dal pwal tankou yon kochon, omwen, ras li te nwa. Men sa tou pa t chita sou reyalite. Paske, an Ayiti, manm asosyasyon yo rele "Kòchon San Pwèl" yo gen plizyè non. Yonn nan yo se "Kòchon Gri" : "Divizyon an te fèt ant vodouyizan fran Ginen yo ak sila yo ke Ginen yo pretann pa fran yo : yon divizyon ant fran voudoo ak depaman yo. (...) Depaman chire pit yo ki mache seryezman sou rit fò paekselans la (rit Pethro) fòme yon gwoup relijye ki gen anpil kalite non : Kòchon san pwèl, Bizag oswa Bi-sango, Kòchon Gri, Ven Ben-Deng." (Trad.) (89)
Agiman sa yo ta dwe ase pou montre ke yo te sakrifye yon kochon nan dezyèm seremoni Bwa Kayiman an. Sepandan, kòm revizyonis yo, fonksyone ak dappiyan jenosid, e non pa ak refleksyon, valè kantite prèv sa ta mande pou fè yo toudi, ta dwe anpil. Enben, me plis prèv. 
a) Lontan anvan Bwa Kayiman, yo te ekri sou sakrifis kochon nan Sendomeng. Nan yon liv ki te pibliye nan 1736, epi repibliye ak elaji nan 1765, kiltivè Élie Monnereau te temwaye de sakrifis kochon sou bitasyon l nan Limonad, nan Nò Sendomeng. Nan sa otè a te ekri a, se te yon seremoni pou lantèman kote : "Fanmiy oswa zanmi moun ki mouri a, te pibliye ke yon jou fèt oswa yon dimanch, y ap fè yon priyè pou paran yo oswa zanmi yo ki mouri, epi ki kote Nanchon oswa Konpatriyòt (Moun ki soti nan menm peyi ak) moun ki mouri a ka vin asiste." (Trad.) (90) Seremoni sila te kòmanse ak libasyon tafya (jete tafya atè), yon pratik ki kont islam :


"Yo pa t pa manke rasanble nan randevou a, kote chak moun te blije pote yon bagay, yonn te okipe l de kèk viv, lòt la okipe l de Tafya, on twazyèm de Siwo, elatriye. Lè yo rive, yonn bay lòt : konpliman pa politès, enswit, yo reyini nan yon won anfas pòt mò a, epi yo pran yon boutèy Tafya; yo wouze papòt mò a..." (Trad.) (91)
Yon fwa premye lapriyè a fini, yo te kontinye ak yon dans dezade (kidonk, yon dans fanm ak gason, nan mannyè Kongo, e islam entèdi sa), dans sa swiv ak sakrifis kochon an ke yo pral manje apre : 


"Lè Lapriyè sa fini, chak moun bo tè, epi li leve, yo fè yon dezyèm foula, apre sa, yo pran danse dezade jouk li lè pou yo manje, nan manje sa zanmi mò a te pran swen bay, pa sakrifis kochon an, nanm li manje, ki se yon obligasyon, epi yo pran tan pou yo dekoupe vyann kochon ak presisyon, anvan yo manje l ak apeti; rès jounen an, yo pase l ap chante, danse, bay gouyad ak kale kò yo." (Trad.) (92)
Seremoni fineray Kongo sila bannou yon apèsi sou kijan seremoni Bwa Kayiman an, kote yo te sakrifye yon kochon tou, te pase. Sepandan, gen anpil diferans ant sèvis bitasyon, ki te dekri isit la, ak yon sèvis lagè tankou Bwa Kayiman.
b) Liv Descourtilz la demanti sipozisyon an ki di pa t gen "kòchon mawon" nan Mònrouj, ak nan vwazinaj la. Descourtilz, naturalis la, ki te etidye lafòn (lis zannimo) Sendomeng la, te trase tablo bèt ki bon pou lachas nan koloni an. Nan tablo sila te gen kòchon mawon, bèf mawon, kabrit mawon ak kayiman tou. Epi otè a te presize ke lis la te fèt ak "ras bèt ki vivan" e ki pa disparèt :




(Tablo zannimo ki bon pou lachas nan Sendomeng)
Sous : M. E. Descourtilz. Voyages d’un naturaliste et ses observations, Tome 2, Paris, 1809. p.153.

Descourtilz te dekri tou kijan li te chase mamifè sa yo. Kòchon mawon te yonn nan yo :
 
"Nou itilize chen raman nan Sendomeng ; e ras chen ki ka itil isit la, se basè grifon, oswa chen ki kouri, ke yo ka lage nan rak pikan kwannan, dèyè bèf ak kabrit mawon, oswa pou atake kòchon mawon nan ma labou kote yo rete, kòchon mawon sa yo ki, renmen amize yo ak koray, e ki renmen pase tan nan mitan mang lanmè..." (Trad.) (93)
An brèf, se te yon kochon ke yo te sakrifye toupre Mònrouj, nan lanwit 21 dawou 1791. Istwa Jean-Baptiste Vixamar Legrand sa se jis radotay, yon tantativ pou yo kraze Revolisyon ayisyen an. Revolisyon sa ke yon tyè popilasyon nwa a (kidonk yon moun nwa sou twa) te sakrifye tèt li pou li. Men, ki mele revizyonis yo? Zansèt bò papa yo pa t patisipe nan premye konplo Revolisyon an. Mwen, wi
  • Séraphin Salnave, manm nan Komite Kont-Revolisyon nan Okap la nan lane 1789-1790, yo te pann li nan 1802 ;
  • pitit pitit li, Prezidan Sylvain Salnave (pitit gason Séraphin Silvestre Jean Baptiste Salnave ke Tousen Louvèti te baptize), yo te fizye l nan 1870
  • pitit gason Sylvain, Jeneral Charles Salnave, Minis lagè a, ke m desann de li, li te mouri nan batay nan lane 1914. 
Revizyonis yo pa t desann, nan bò manman, de moun ki te dirije viktwa Revolisyon an. Mwen wi :
  • Anri Kristòf, dezyèm nan ran an, nan dènyè batay la (nov. 1803), te kontinye, kòm Wa, Revolisyon an, jouk li te tiye tèt li nan 1820
  • pitit deyò Wa Anri, Chevalye Joseph Béliard, ke m desann de li, yo te fizye l nan 1856.
Men, kòm revizyonis yo vle reekri istwa Dayiti sou baz yon "lejann", anben, annou pale de "lejann". Èske nesans yo te anonse depi plizyè jenerasyon nan yon lejann wayal ki popilè anpil nan Nò a? Èske se ta va yo, ti gason an, jan Lespri Wa Kristòf te predi l la, ki ta dwe fèt Laptitans (toupre Kap Ayisyen), e ki pral repran "Fòtin" wayal la? Natirèlman, se pa yo. Men mwen, wi. Paske depi m te pran premye souf mwen, yon granmoun fi Okap te konfime fanmi mwen li.
 

9- Nati sakrifis kochon an

Seremoni sa yo rele Bwa Kayiman an, te fèt nan Nò a Sendomeng, e pa ankenn lòt kote. Pa menm nan Nòdès la ki te revòlte sèlman plizyè mwa apre Nò a. Men, menmsi sa, pifò moun pran analize Bwa Kayiman, san yo pa janm konsidere diferans nan relijyon ki genyen nan Nò Ayiti.
a)Yon vèsyon nouvo de istoryen Robin Law te baze sou pratik majik nan Dawomen (peyi Benen), ak nan pratik ki soti nan yon dal lòt kote nan "Lafrik" de Lwès, pou li pwopoze ke sakrifis kochon nan Bwa Kayiman an, epi itilizasyon san kochon an, te mache ak yon "pak san" Dawomen oswa Rada. (94) Reyalite sèvis Jany nan Nò a, menm jan nan rès peyi Dayiti, fè nou mete rit Dawomen (rada) a sou kote tankou kote sakrifis kochon an ta ka soti. Paske pratik sila pa ale nan sans rit Dawomen an. Anplis, "pak san" Dawomen ke otè a pale de li a, se pa yon pratik relijye toutbonvre. Li te sèvi jis pou sele tranzaksyon komèsyal ak entèpèsonèl (kidonk ant moun).
b) Akozke Bwa Kayiman te sèvi pou lagè, lòt istoryen te konsidere ke Ogoun (ki seLwa, Jany oswa Mistè Lagè) te responsab sakrifis kochon an. Men, sepandan, Ogoun mache nan rit Nago (ki soti nan gwoup etnik Yoruba (Yorouba), yo rele Nago oswa Annago nan peyi Benen ak nan kèk peyi nan Lamerik). E nan rit Nago, pa gen sakrifis kochon. Men, yo te sakrifye yon towo bèf nan 14 dawou 1791 nan Mònrouj. E sakrifis towo sila mache ak rit Nago a. Li te ka menm ke se Ogoun oswa yon lòt nan yon dal Jany/Lwa Nago yo, ki te fè safrifis towo a. Men se pa t ka yon kochon.
c) Pifò istoryen, kòm yo te pran rityèl depatman Lwès la (sitou sa k fèt Pòtoprens la) pou referans, yo pote konklizyon ke sakrifis kochon nan Bwa Kayiman an te soti nan rit Petro. Se vre, sakrifis kochon mache ak Petro. (Na va pale plis sou orijin rit Petro a nan yon atik ki gen pou vini). Sepandan, yo pa rele rit sa Petro nan Nò a, kote li yo ba l non Lenmba, Kongo oswa Kongo-Lenmba.
d) Lòt moun ki pran referans nan rityèl ki fèt Nan Soukri (ki se yon lakou mistik ki fè rit Kongo nan Latibonit), te sijere ke sakrifis kochon an mache ak Kongo pito. Vreman vre, sakrifis kochon nan Bwa Kayiman an mache ak rit Kongo a. Men, ki Kongo? Paske, nan Sendomeng, mo Kongo a te itilize pou rele yon pakèt gwoup etnik ki soti nan "Lafrik" Santral ak Disid. Sa fè ke bon jan Kongo a oswa Fran Kongo a difisil pou yon moun idantifye l.
Anplis de sa, si nan Latibonit pifò tan gen segregasyon nan relijyon (kidonk, etni yo te separe pou yo fè sèvis nanchon yo pou kont yo). E sa te lakòz anpil lakou mistik kanpe sou baz amwatye etnik. Nan Nò a, se te lekontrè. Nan depatman sila, se kote separasyon rit yo mwens rijid nan tout peyi a. Anfèt, nan Nò a, rit Kongo a, li prèske konfonn ak tout lòt rit yo. Sa, se yon mak ke te gen yon melanj ansyen epi solid de divès kalite rit etni yo. Melanj sila vin ede tèt ansanm ki blije, nan yon revolisyon. Alenvès de melanj rit nan Nò a, nan depatman Latibonit la, sèvis yo te fèt ak etni yo prèske separe. Te gen abitid repouse lòt nanchon, jouk sa ta sanble ak tribalis "Afriken" yo. E jouk jounen jodiya, abitid sa rete. Se konsa, nan Latibonit, enterè rejyonal oswa lokal pase anvan enterè peyi a. Rejyon amwatye tribal sila plis prèt pou simaye vyolans nan patipri kont leta, kennenpòt sa leta sa sanble : 1820 (kont gouvènman Wa Anri 1ye), 1821 (kont repiblik Boyer a), 1986 (kont Jean-Claude Duvalier), 2004 (kont Aristide epi kont 200 zan endepandans la), san konte lòt dat enpòtan.
Men, ki reyalite rit Lenmba a menm? Prèv yo vle montre ke Lenmba, jan yo te pratike l nan Nò Sendomeng (Ayiti) a, te responsab sakrifis kochon ki te fèt lajounen (pa nan lannwit) nan dat 21 dawou 1791 la. Annou fouye pi fon.

a) Kisa Lenmba sa ye?

Rit Lenmba a soti (an pati) nan Wayòm Kongo/Angola a, menm jan ak rit Petro a oswa Kongo a. Men nou pa dwe konfonn rit Lenmba a ak Lenmba ki se non yon gwoup etnik nan Zimbabwe. Ni nou pa dwe konfonn rit Lenmba a ak vil yo rele Lenmba a, ki se kapital nan rejyon Mbula (Mboula) nan peyi Kongo, ke Wa Dom Pedro III te fonde nan lane 1665. 

Non : Lenmba oswa Koôngo dya Lemba se pi ansyen ak pi enpòtan nan kat sosyete inisyatik (kidonk, ki inisye moun) nan Wayòm Kongo/Angola a. Lòt sosyete inisyatik yo te : Kimpasi (ki te gen enfliyans sou rit Kongo nan Lwès Ayiti a), Ndembo (Ndenmbo) ak Kimba. (95) Lenmba a se "yon òganizasyon Ezoterik, yon Enstiti siperyè (kidonk, yon sòt de inivèsite) pou lasyans moral ak relijyon, li aprann moun tout kalte syans : biyoloji, medsin (kidonk, doktè), istwa, jewografi, lalwa, astwoloji Kongo a." (Trad.) (96)
Definisyon : Lenmba, nan lang kikongo, vle di "kalme", "donte" tout sa ki mal nan kò oswa nan mistik, dechouke nenpòt ki pwoblèm, "klame" tèt ou, epi "sivilize" nan amelyore moral sosyete a. (97)
Kreyatè (yo) : Lenmba se travay fondatè Wayòm Kongo/Angola a.
Dat : 1600-1930.
Manm li : Sosyete Lenmba a te fèt ak klas elit Wayòm nan. "Li te fòme anpil moun ki te gen pòs enpòtan nan administrasyon, nan lajistis, lasante, relijyon, elatriye. Li se yon lekòl pou andirans, vijilans, lalwa, konesans medikal, nan travay, nan gouvènman, elatriye." (Trad.) (98)


(Kat politik ak ekonomik de zòn kote sosyete Lenmba yo fè komèrs, 1600-1930)
Sous : John M. Janzen. Lemba 1650-1930 : A Drum of Affliction in Africa and the New World. New York, 1982. p.5.

Misyon : Li te regle komès. E li te : "yon sòt de desizyon nan testaman ke wa Koôngo a te mete pou Bana-Koôngo a oswa desandan yo pou byennèt yo, kontantman yo, e sitou, pou fè Koôngo a dire pi lontan, ansanm ak rezon pou valè fondamantal li yo egziste. Se nan sans sa ke Sèk inisyatik Koôngo Dya Leemba a te yon zouti pou ranfòse santiman nasyonal la ak kè poze a… (...) Se yon deklarasyon pou yon lavi miyò, pou yon renmen viv ansanm ki se yon priyorite, pami lòt bagay, kilti a ak kontinye kenbe entak aktivite sosyal ètimen an oswa Muùntu a [Moun ann Ayiti]." (Trad.) (99)
Rekritman : Elit komèsan nan peyi Kongo te santi yo koupab akozke yo te patisipe epi yo te pwofite nan komès esklavaj la. Poutèt sa, yo te devlope anpil doulè (100) nan tèt, nan kè, nan vant ak bò kòt. E, pandan y ap trete, oswa "kalme" doulè machann esklav rich sa yo, nganga e elemba yo, kidonk gangan Lenmba yo, te tou pwofite fè komèsan sa yo antre nan sosyete sekrè yo a. (101)
Restriksyon (limit) : Lenmba a te sèlman aksepte zotobre kòm manm. Li "pa te janm, yo di, nan kontrè de lòt lekòl inisyasyon Koôngo yo, yon enstitisyon pou mas pèp, yo te fè antre ladan l sèlman moun ki fè pati klas sosyal gwo moun. Sou koze sila, kongològ rèspèkte Ferdinand Ngoma te rapòte ke li te "yon enstitisyon ki te gen yon repitasyon aristokrat, ki te louvri pòt li bay moun ki gen pouvwa ekonomik epi ki pi fò tan te marye."" (Trad.) (102) Atitid zotobre Lenmba a, esplike an pati pouki rebèl 1791 yo te idantifye yo ak wayote, epi pouki yo te meprize kòz patizan repiblik yo ki se yon zafè konsa konsa ; epi ak tan, atitid aristokrat Lenmba sila vin reprezante karaktè moun nan Nò Ayiti.
Moralite : Pou sa ki renmen bay Revolisyon ayisyen an kout lang, relijyon tradisyonèl la, ki te kontribiye nan siksè Revolisyon an, se yon pil imoralite. Men, moralite se yonn nan kondisyon pou yon moun manm Lenmba : "Klas sosyal yon moun, se pa yon faktè ki detèmine si l ap antre nan sosyete Koôngo Dya Leemba a, menmsi yo rekonèt li kòm yon aristokrat. Si kandida a gen bon moralite e li gen yon pouvwa ekonomik ki byen chita, yo apresye sa, epi yo aksepte l antre nan sosyete a." (Trad.) (103)
Kontribisyon : Kontribye kochon, diven ak lòt bwason ki gen alkòl (bagay ke islam entèdi) se kanmenm sa Lenmba egzije moun ki fèk antre nan sosyete sa : "Se nan kondisyon sa yo ke depi kòmansman mete men an, mwaànga-ngaànga [apranti gangan] a dwe peye salè ngaànga-leemba [gangan lenmba] a. Li dwe, nan prensip, ofri Mèt ki inisye l la, twa poul ak de kalbas diven. Si yo egzije mwaànga-ngaànga a peye ak yon kochon epi ak anpil diven." (Trad.) (104) Konbinezon vyann kochon ak alkòl, 2 bagay ke islam entèdi, montre nou ke seremoni Lenmba nan 21 dawou 1791 la pa t mizilman.


10- Sakrifis kochon Lenmba a

Nan sosyete Lenmba a, gen 3 kalite ofrann (105) ki pa gen menm enpòtans : 1) "bòl" la (mbungu (mboungou) nan lang kikongo) ki se pifò tan diven palmis, ansanm ak lòt bwason ki gen alkòl, epi nenpòt lòt bagay ki ka chita nan yon bòl ; 2) "poul" la (n'susu (n sousou) nan lang Kikongo), ki se yon non ki konsève nan seremoni zantray ayisyen an nan chante sakrifis "benyen sousou") ; 3) "kochon"(n'gulu (n goulou) nan kikongo), ki se pi gwo ofrann ke yo fè pou yo make gran moman yo, tankou seremoni Bwa Kayiman ki fèt jis anvan yo t al lagè. Me yon rezime sou fason sakrifis kochon sa te fèt nan peyi Kongo :
"Sèvis Leemba a baze sou sakrifis paske l mande yo touye yon kochon ki (...) dwe, apre sa, sèvi nan manje a ki se yon jan de kominyon. Kongològ Ferdinand Ngoma fè konnen ke "yo aprann Lenmba a nan sakrifis viktim nan (Kilambu [kilanmbou] andeyò vilaj la, nan sekrè... (…) Piblik la pa ka la, pa menm fanm mi-mbanda yo (...) Gen obligasyon, tou, ke se yon kochon yo dwe sakrifye. Yo pa gen dwa blese l. Yo toufe l. (...) Manje kominyon sila akonpaye seremoni a…" (Trad.) (106) 
Nan ekstrè sa, anpil pwen te leve : a) Yo oblije sakrifye yon kochon nan sèvis Lenmba a. Sa valide koneksyon Lenmba a nan Bwa Kayiman. b) Yo manje kochon sila nan yon jan de kominyon, ki montre rebèl Sendomeng (Ayiti) yo ki t ap pratike Lenmba a, pa t mizilman. E ke nonm (Jean-Baptiste Vixamar Legrand) a pa t sakrifye nan plas kochon an. Paske sa ta va vle di ke te gen yon zak kanibal, ki se yon kafè ke yo pa konnen nan relijyon zantray ayisyen an. c) Yo dwe toufe kochon an. Yo pa dwe blese l. Sa sanble kontredi san ki te koule nan 21 dawou 1791 la. Men, nou pral wè ke gangan rebèl yo te modifye obligasyon nan sèvis Lenmba a, pou yo te adapte l ak kondisyon anvan lagè a. Yo te konbine "Lemba e ekesa" (Lenmba e ekesa), ki se yon sèvis Lenmba yo fè anvan lagè. E yo te ogmante mistik li ak san k te koule a. d) Seremoni ki gen sakrifis la te fèt nan yon kote lwen, yon kote tout je pa ka wè, e menm fanm ki manm nan sosyete Lenmba a pa t ka la. Wi, kote ki lwen an mache ak sa yo di sou dezyèm reyinyon nan Bwa Kayiman an. Men, lefèke fanm pa t ladan l bay pwoblèm.
Lenmba nan peyi Kongo a se te "yon gwoup gason sèlman." (Trad.) (107) Fanm ki te antre ladan l, te fè l ak mari yo, epi yo te gen yon ti wòl. Sitiyasyon sa mete dout sou lefètke Cécile Fatiman, yon fanm, te manbo ki te sakrifye kochon nan Bwa Kayiman an. Men, san li pa t bay twòp detay sou sèks moun ki te fè sakrifis la, Hérard-Dumesle te deklare ke yon jèn prètès (manbo) te konsilte trip kochon yo te sakrifye a. Li nan trip yon bèt yo sakrifye pou jwenn vizyon lavni, se yon pratik Ewopeyen. Se pa yon pratik "Afriken". Si li ye, li pa popilè. Sepandan, analize trip yon bèt ki sakrifye, nan yon mannyè ki pa gen avwa ak relijyon, sa se yon pratik òdinè nan tradisyon zantray ayisyen an. Anpil fwa, nou wè sa fèt ; e menm lè se yon kochon ki sakrifye. Sa se yon fason pou yo apresye bote bèt la pou tèt li epi k
òm yon ofrann. Epitou, kolon Élie Monnereau te ekri sou sa : "nan sakrifis yon kochon ke yo dwe fè pou bay lespri yo, yo pran tan egzaminen anatomi egzat bèt la [kidonk, yo te gade jan anndan bèt la fèt]". (Trad.) (108) Kolonèl Paul Aly, yon ansyen rebèl, te pale nan menm sans la, men li te bay lòt detay :
"Yon pretès [manbo] te plonje kouto a nan zantray yon kochon nwa ; viktim nan te vòltije, san te koule ; konplotè yo te saf nan bwè san bèt la. Ajenou, Boukman te fè sèman tchak la pou l dirije lagè a, se te, yon sèman ke yon manbo te mande." (Trad.) (109)
Se pa de diferans ki genyen nan ti kras wòl fanm Lenmba te genyen nan peyi Kongo, lè w konpare l ak wòl san limit fanm Lenmba te genyen nan Sendomeng, epi pita ann Ayiti. Diferans sila jwenn eksplikasyon l nan yon mo : "Boukante". Sa vle di "Pataje", yonn "Konplete" lòt. Chante sakre sila eksplike  nouvo konsèp sa klèman :


Boukante n ap boukante.
Boukante n ap boukante la.

Jenerasyon apre jenerasyon, nan Sendomeng, yon echanj egalitè te pran plas nan rit Lenmba a, e se menm jan nan tout rit nan tradisyon an ki soti Lafrik Ginen. Echanj egalitè sila, se yonn nan faktè ke yo jwenn sèlman nan relijyon tradisyonèl ayisyen an. Tolerans ak plas yo fè pou tout nanchon yo, te pèmèt relijyon sa fè, epi konplete yon revolisyon. Kidonk, Revolisyon ayisyen an se pa t travay relijyon tradisyonèl la jan yo pratike l nan peyi "afriken" yo. Paske, si relijyon zantray ayisyen an pran nannan li nan "Lafrik" zansèt yo, li te rive pouse pi lwen pase zansèt "afriken" yo. Nan sosyete Lenmba "Afriken" an echanj yo te nan komès epi nan kontak ak zansèt yo, "Nan senbòl Lenmba a, baz lide yo fè konnen ke "larichès soti nan komès ak zansèt yo", (Trad.) (110) nan sosyete Lenmba ayisyen an, echanj la total kapital. Nan "Lafrik", gason te gen pi gwo wòl nan relijyon an pase fanm, moun lib te pi wo pase esklav, moun ki pa omoseksyèl la te pi wo pase omoseksyèl la, rich te pi wo pase pòv, elatriye. Men relijyon tradisyonèl ayisyen an te kreye yon espas egalitè nètalkole - nan respè pou regleman sakre ke tout moun dwe swiv. - Nan relijyon (jan moun viv) nouvo sila, sèvitè yo, kèlkeswa moun yo ye, ka rive yon jou nan pi gwo wòl yo. E sa, se sèl nan relijyon zantray ayisyen an yo jwenn li. Mesaj inik sila pou tolerans, respè yonn ak lòt, epi fè plas pou lòt la, nou jwenn li nan chante sakre sila :


Tout moun se moun.
Onore rich k ap onore pòv.
Tout moun se moun.
Devan Bondye pa gen esplikasyon.
Tout moun se moun
.

Li enpòtan tou pou n remake ke malgre resanblans ki genyen, relijyon tradisyonèl yo pratike nan "Lafriki" la pa ka pran kredi pou Revolisyon ayisyen an ki se travay yon nouvo relijyon kreyòl. Menm jan ak islam, relijyon tradisyonèl nan "Lafrik" la pa t janm konsidere ke esklavaj se yon sistèm ki pa gen moral. Anplis de sa, se sèlman ann Ayiti ke rit nanchon yo te melanje.++++* Melanj mistik sila pa t fèt owaza. Li te pèmèt lòd kosmik inivè a retounen, paske l te pèdi nanm, li te gadja, lè nanchon etnik yo te gaye toupatou. Melanj la te mennen bay relijyon ayisyen an yon fòs djanm ki te pèdi depi plizyè milenè nan kontinan "Lafrik" la. Si yo pa t kreye nouvo konbinesyon espirityèl sa, rebèl nan Sendomeng yo pa t ap ka gen inyon, fòs ak disiplin espirityèl ki nesesè pou Revolisyon ayisyen an te reyisi. Se pa owaza ke Ayiti se sèl kote yon zak lijanboje konsa te janm rive.


"Sosyete Lenmba nan mache pandan fen 19yèm syèk oswa kòmansman 20yèm syèk, nou jwenn kochon ak kabrit tout kalite ke yo itilize nan sèvis Lenmba yo. (Svenska Missionsforbundet Archives, Lidingö)"
Sous : John M. Janzen. Lemba 1650-1930: A Drum of Affliction in Africa and the New World. New York, 1982.


a) Sakrifis kochon an, èske li te yon "pak" san?

Nan sèvis Lenmba (nan peyi Kongo), sakrifis kochon an te konplè. San bèt la pa t bezwen koule pou sakrifis la te reyisi. Se pou rezon sa, yo te mande ke se toufe yo te toufe bèt y ap sakrifye yo :
"Mpaàngi za ngaànga [non gangan ki fè sakrifis yo] te gen, nan mitan tout travay yo, responsablite serye ki se sakrifye kochon an kòm sadwa, san yo pa fè l soufri anpil, e se toufe yo te toufe l." (Trad.) (111)
Konsa, tradisyon Lenmba nan Wayòm Kongo-Angola a pa konnen sa yo rele "pak" san an. Se menm jan tou nan tradisyon zantray ayisyen an ki sakrifye anpil bèt, espesyalman bèt volay, san ankenn san pa koule. E lè gen san k koule, sa pa chanje anyen nan sèvis espirityèl k ap fèt la, ni san an pa vle di anyen espesyal pou sèvitè yo. Si se sa, anben, pouki yo te sakrifye kochon an?
Nou dwe konnen ke sakrifis kochon an, nan sosyete Lenmba, te sèvi yon fonksyon doub : 1) kolektif/fanmi, 2) Endividyèl (kidonk pou chak grenn moun).
1) Nan nivo kolektif/fanmi an, nan sakrifis kochon an, yon sèvis Lenmba chache reyisi omwen 5 objektif, ki se :
  • Kenbe kontak ak Divinite zantray : "Isit la, nou dwe sonje ke, pou Koôngo yo, sakrifye yon bèt se yon bagay ki espesyal [ra] anpil. Se espesyalman lè gen yon sèvis pou gwo fetich [Lwa] yo ke yo sakrifye bèt, ki di tankou poul, kabrit oswa kochon." (Trad.) (112) Men, si te gen yon tan ki esepsyal pou rebèl nan Sendomeng yo, se te 21 dawou 1791, ki te jounen anvan levekanpe jeneral la te kòmanse.
  • Rebalanse lòd linivè a : "Tradisyon Koôngo Dya Leemba a tankou tradisyon Kimpasi a (…) se, jan kongològ Georges Balandier te di li, ekspresyon yon sosyete ki gen entansyon retabli " [.. .] pwòp enstiti li yo, ak lòd lemond kote li ka rekonèt tèt li, lè li louvri rout la bay yon nouvo jenerasyon... Kominote a ap eseye asire pwòp pwoteksyon li lè li fè jèn li yo reviv kòmansman konbit ki te bati lòd li, sivilizasyon li ak istwa li - paske rit espesifik li yo raple nan senbòl epòk lè tout bagay te kreye, lè tout bagay te kòmanse. Sosyete a vin rejwenn vèdi li k ap boujonnen, dapre règ li yo, nan jèn jan ke inisyasyon ap bay fòm yo". Se nan mouvman pou pwoteksyon ak kenbe lòd jeneral la ke Leemba te yon goumen kont zak malveyan." (Trad.) (113) Nan kontèks Sendomeng la, lè revolisyon franse a te mete atè wa a ki te vle lavi miyò pou kaptif (esklav) yo, (epi esklavaj la limenm) te reprezante yon dezòd kosmik (kidonk yon dezòd nan jan lemond balanse). Rebay wa a pouvwa li (epi jouke lesklavaj) te vle di rebalanse lòd Granmèt la te vle pou lemond.
  • Konbit ak solidarite  : "Kidonk, sakrifis kochon an ke yo rele Ngulu nan lang Koôngo dwe pwobableman mache ak filozofi prensip konbit ak solidarite ki parèt lè malè rive yon moun. Konsa, lè yo aplike teknik ki-yindula (ki-yenndoula) a, bi yo eksprime, nan sakrifis kochon an, se lungu [loungou] oswa lungululu [loungouloulou] (ki soti nan vèb lunga [lounga] oswa lungulula [loungouloula] ki vle di respektivman tout nosyon de vant plen, byen mennen ak layite), sa vle di, konbit, oubyen, li se zak solidarite nan nivo kominote a pou yo pi byen bare rout dezòd ke ledmi lapè yo ki se Ndoki [doki] oswa bòkò ap fè." (Trad.) (114)
  • Fè ras la boujonnen : "Se la, nan mitan lòt bagay, siyifikasyon vèb lungulula [loungouloula] a, ki vle di miltipliye, simaye espès la, oswa fè dire lunguluka a ki vle di ogmante tèt nou, vin anpil, epi se sans pwovèb la ki di, mpuanaku ka lungu, lungu n'andi [mpouwannakou ka loungou, loungou n andi], sa vle di ke fò w pa janm lage pwochen w sèl nan malè." (Trad.) (115)
2) Nan nivo endividyèl, yo te sakrifye kochon an pou atire pwoteksyon majik sou tèt chak rebèl nan batay ki t ap vini a. 
a) Se pou sa yo te ranmase pwal kochon sakre a pou yo te fè pwoteksyon majik (ke yo rele Bingalù (Bingaloou) nan lang Kikongo).  Epitou b) yo te fè yon jan de kominyon anvan lagè ke yo rele Lemba e ekesa :
"Lemba e ekesa, v., Pou mete yon sòlda anba jan de majik sila pou l pa pè anyen, paske li posib pou l eliminen nenpòt ki jan de malè oswa danje. Nganga e elemba [gangan Lenmba] a pran diven palmis nan yon asyèt oswa yon bòl an bwa, li tranpe dwèt li epi li touche po bouch sòlda a ak pwent dwèt li, epi li di l pa janmen gade dèyè, ni pa antre lakay li, men ale tou dwat nan lagè." (Trad.) (116)
Konsa, nou jwenn, nan Bwa Kayiman, yon konbinezon de 2 jan de seremoni Lenmba diferan ; sètadi seremoni nòmal kote yo sakrifye yon kochon ak seremoni Lemba e ekesa a ke yo fè pou pran fòs anvan lagè. Konbinezon sila te mande yo ranplase kèk pati nan toulede seremoni sa yo.
a) Toufe kochon an, ki se yon obligasyon Lenmba, yo te ranplase l pa koupe kou bèt la.
b) San kochon an vin ranplase diven palmis la ki itilize jeneralman nan yon seremoni Lemba e ekesa.
Gen anpil chans ke nan "boukante" ak pratik lòt etni oswa nanchon, chanjman sa yo te vin antre nan tradisyon Lenmba a lontan anvan Bwa Kayiman. Ekriti Élie Monnereau sou yon sakrifis kochon ki te fèt yon deseni anvan, te fè konnen ke seremoni yo te konn fèt sèlman nan dimanch ak jou ferye yo, ki se sèl jou kaptif (esklav) yo te ka fè reyinyon. Restriksyon sa te anpeche konplotè yo fè pati Lemba e ekesa Bwa Kayiman an nan menm jounen atak la. E menmsi tradisyon Lenmba a te mande sa, pou yo te ka gen pi plis fòs posib nan pwoteksyon majik yo anvan goumen an.
Kidonk, pa te gen ankenn "bwè" san kochon, nan Bwa Kayiman, jan tout moun renmen repete a. Se klèman yon egzajerasyon, piske san sakrifis la te apèn touche pwent bouch rebèl yo, yonn pa yonn. An reyalite, yon sèl kochon pa t gen ase san pou ta plen vant plizyè santèn sèvitè ki te la.



"Antre mache a (fula dia zandu), sèn kote y ap koule bweson epi entèraji ansanm, souvan se plas kote y ap pataje ansanm nan komèrs yo. Vizyon Lenmba a chita sou yon lide ki fè konnen ke "richès soti nan pataje ak zansèt yo" (tèks 9, liy 17; Chapit 7,) (Svenska Missionsforbundet Archives, Lidingö)"
Sous : John M. Janzen. Lemba 1650-1930: A Drum of Affliction in Africa and the New World. New York, 1982.


b) Ki sa nou ka di sou swadizan "pak dyabolik" la?

Me yon relijyon tradisyonèl ayisyen ke hounfò (tanp oswa peristil) li yo plakade ak imaj sen katolik, pandan ke pa gen ankenn imaj dyabolik oswa satanik nan kote sa yo. Me relijyon tradisyonèl la ke sèvis li yo toujou kòmanse ak yon lapriyè katolik ki dire omwen 20 minit. Me relijyon sila (oswa fason moun viv nan mannyè zansèt yo) ki rele Divine li yo Jany (Zanj) oswa Sen, elatriye. Me relijyon sila ki gen nan mitan l Bondye, Kreyatè a, ki pa gen kanmarad ; epi pa gen egzistans dyab, kòm yon lespri ki kont Keyatè a. E menm lè konsèp dyab la te vin jwenn yo, akoz de zansèt Kongo yo ki te pran koze dyab sila nan men Pòtigè ki te konvèti yo, sa gen lontan. Eben, konsèp dyab sila ki pa mache ak jan Kongo yo wè relijyon, te pèdi tout nannan li, jouk li te vin tounen yon bagay ki diminye, ki banalize, e ki pèdi tout sans li. Men, malgre tou prèv ki di lekontrè, malgre ke te gen prèt katolik (Franse ak Panyòl) ki te bon jan alye revolisyonè ayisyen yo, e ke te gen anpil nan prèt sa yo ki te rete nan kan rebèl yo, sa pa anpeche ke depi plizyè deseni, yo akize Revolisyon ayisyen an de travay dyab oswa satan. Ki jan sa fè posib?
Nan 1984, istoryen Cheikh Anta Diop (Chek Anta Dyòp) te fè remak sila ki byen rezime motivasyon ki pouse loksidan kretyen lage chay "pak oswa alyans dyabolik" la sou Bwa Kayiman, Revolisyon ak relijyon tradisyonèl ayisyen an :
"Nou dwe konnen ke opozan an [Loksidan kretyen] ap touye w entelektyèlman. L ap touye w moralman, anvan li touye w fizikman. Men se konsa yo te elimine kèk gwoup annantye. Yo nye w kòm moun moral. Yo nye w kòm moun ki gen kilti. Yo fèmen je yo. Yo pa wè prèv yo. Y ap konte sou konplekse w, sou alyenasyon w, sou dresaj ou, sou reflèks rèstavèk ou ak sou yon dal lòt faktè nan sans sa." (Trad.) (117)
Kidonk, akizasyon kretyen de "pak dyabolik" la pa gen arevwa ak relijyon, ak spirityalite, ni ak moralite. Li se jis ekstansyon vyolans ak jenosid ke loksidan ap mennen depi plizyè syèk kont pèp nwa yo ak sivilizasyon konplèks la k ap gide yo. Paske, ki jan yo ka pran oserye akizasyon "satanism" oswa imoralite ki soti nan disip nan relijyon kretyen k ap bafle chak jou kò ak san Jezikri, ki se klèman yon zak kannibal nan senbolik? Yon relijyon kretyen ke legliz li yo te finanse ak rès kadav ke yo t ap panpannen toupatou. Epi rès kadav sa yo, ke yo rele relik, toujou anba chak lotèl legliz, jouk jounen jodiya. Ki lòt entèpretasyon yon moun ka jwenn de degou ke sakrifis san nan Bwa Kayiman an pwovoke lakay kretyen sa yo ki, an menm tan, konsidere ke se relijye lè mizilman ak jwif, chak ane, fè koule plizyè milyon lit san mouton, nan fèt sakrifis yo?
Nou wè klèman ke, akizasyon sila ale kont tout prèv, paske li se yon pretèks pou fondamantalis kretyen Ameriken yo fè vyolans relijyon ak vyolans sivilizasyon kont moun nwa ke yo refize wè tankou moun ki ka gen moral. E fondamantalis Ameriken sa yo nye moralite kanmarad Afriken-Ameriken yo pi plis ankò, menmsi nwa sa yo kretyen depi yon dal jenerasyon.
Anplis, sèvis Lemba e ekesa a, ki lakòz kontak san sakrifis la ak pwent bouch rebèl yo nan Bwa Kayiman, li si tèlman pa gen anyen ki "dyabolik" ladan l, ke nan peyi Kongo, yo te konn fè l nan legliz katolik, pandan batèm timoun ki bay chans, ke yo rele "lombo" (lonmbo). (118) :
"Lemba mwana, v., Batize yon timoun ; seremoni sila, pou pèp la, anvan prèt [katolik] Women yo te tounen nan San Salvador nan lane 1881, li te sèlman yon seremoni fetich [sèvis Lwa]; Yo te itilize l sèlman nan ka timoun lombo yo. (...) Nganga e elemba a [Gangan Lenmba a] pran diven palmis epi li touche timoun nan twa fwa, jan nou te dekri li anvan nan seksyon lemba e ekesa a, sèlman li [gangan an] touche fontèn ak po bouch timoun an. Yon mesye ak yon fi kanpe devan, e yo rele sa ese dia nzila ezulu (chemen ki mennen vè papa-syèl la), sa se byensi menm bagay ak "parenn"; li dwe resevwa respè timoun nan." (Trad.) (119)
Konsa, jan de sèvis sa yo te konn fèt nan legliz katolik, sa vle di ke yo pa t gen arevwa ak ankenn "pak" ak "dyab", ni ak ankenn lespri malveyan. Okontrè, li te bay garanti pou "chimen ki mennen vè papa-syèl la" (ese dia nzila a ezulu) (ese dya nzila a ezoulou). Paske, fò nou sonje ke objektif Lenmba a, se pa soumèt moun anba yon "satan" imajinè, men pito, li la pou geri, pwoteje, kalme, retire doulè, epi sivilize yon moun, lè li kwape abitid sovaj ak anti-sosyal li yo, elatriye :
"Lemba, v., Delivre yon moun oswa retire sou li tout pouvwa oswa move enfliyans oswa move maji, kidonk soulaje, sètadi elimine doulè ak malèz, kalme ak restore kalm, sivilize nan retire ensten sovaj li ; epitou posibleman mete yon moun anba pwoteksyon oswa cham [djòk] pou anpeche ankenn malè tonbe sou moun sa. Lide sa vin makonnen natirèlman epi mele ak "dlo benit" [yon pratik senkretik], e menm avèk sèvis batèm timoun yo. Cham sa yo bay la, li rele elemba. (...) Lemba e sunga. v., zak pou met cham sou nenpòt danje oswa posiblite pou danje." (Trad.) (120)
An rezime, olye ke l te yon pak diabolik ke yon bann sovaj te fè, seremoni Lenmba nan Bwa Kayiman an te zafè moun sivilize. Pwoteksyon ke san kochon sakre a te bay konbatan yo te rann yo brav, odasye, envisib, tchak ak viktorye kont loksidan esklavajis.
Epitou, kretyen yo ki renmen jije tradisyon zansèt moun nwa yo, èske yo gen moralite jan yo renmen pretann an? Pou n konnen, ann analize mèrs chèf peyi Lafrans yo nan tan zansèt Ayisyen yo te pran debake nan  koloni Sendomeng la :
  • Louis XIV (1643-1715) : nan 26 dawou 1670, Louis XIV (Lwi 14), wa peyi Lafrans, te bay otorizasyon pou mennen nan Lamerik, moun nwa yo te kidnape pou fè esklav. 9 lane pita, nan 25 mas 1679, Louis XIV te fè aranjman pou yon konpanyi batiman te kòmanse bwote moun nwa nan Sendomeng ak nan lòt zile. Pretèks Franse yo, se te pou konvèti "Afriken" yo ke yo panse pa t ka gen moralite. Men Louis XIV, wa Lafrans sila, te bliye fè konnen ke l te deja fin devègonde nan tan sa. Li te menm fè pitit fi deyò li, Françoise Marie de Bourbon, marye ak neve li, Philippe d'Orléans, pou manmzèl te ka gen san wayal ki pi ofisyèl.
  • Philippe d'Orléans (1715-1723) : Apre lanmò Louis XIV, Philippe d'Orléans te pran pouvwa a ak tit "Rejan" (kidonk, wa annatandan) nan lane 1715. Men, anvan sa, kèk lane apre zansèt Ayisyen yo te kòmanse debate, Philippe d'Orléans, te deja t ap fè sèvis pou Satan nan peyi Lafrans. (121) Sa pa etontan. Paske, Philippe d'Orléans ki fèt nan lane 1674, depi l te gen 13 oswa 14 zan, li te deja ap patisipe nan òji ke Dubois, yon pè katolik, te òganize pou li. E lè Philippe d'Orléans te vin gen pouvwa a menm, li te fè òji chak swa. Epi Dubois, pè katolik la, te patisipe nan òji sa yo. Epitou, nan fèt sèks san moralite sa yo, Philippe d'Orléans ki te marye ak pwòp kouzin jèmèn li, te menm abitye fè sèks ak pwòp pitit fi, Marie-Louise-Élisabeth (Kontès de Berry). E zak ras kabrit sa yo te konn fèt devan pè Dubois ki te vin kadinal pita.
  • Louis XV (1723-1774) : Philippe d'Orléans te lage pouvwa a bay neve li, Louis XV (Lwi 15), ki te vin wa ofisyèlman nan lane 1723. E limenm tou, Louis XV, te yon devègonde ki te abitye kouche ak 2 nan pitit fi li yo : Anne-Henriette ak Marie-Adélaïde. (122)
Konsa, bagay la klè. Kretyen yo renmen jije moun nwa, men se kretyen sa yo menm ki te imoral, e ki t ap sèvi satan. Moun nwa pa t janm te mele nan zafè satan. Epitou, tradisyon zantray moun nwa yo chaje ak moralite.

11- Enpak reyèl relijyon sou Revolisyon ayisyen an

Yon ti ponyen istoryen te, depi kèk tan, mete dout sou enpak reyèl relijyon tradisyonèl la sou viktwa Revolisyon ayisyen an. Nou pral rezime, epi nou pral demonte agiman sa yo ki baze sou sipozisyon ewosantrik (kidonk ki baze sou reyalite Lewòp). Agiman sa yo pa baze sou prèv istorik, militè oswa relijye ki serye. Men, anvan nou demonte pawòl istoryen sa yo, nou dwe mete aksan sou yon reyalite ki serye, men ki neglije, e ki pa gen arevwa ak relijyon, ni majik, ni menm ak estrateji militè. N ap pale de siperyorite mantal rebèl yo ki te bay yo yon lavidal avantaj sou ledmi ewopeyen yo :
"Si yo atake yo, yo pral bat grangou, swaf, menm lanmò olye ke yo rann tèt yo. Si yo aji konsa, nou dwe bay kilti latè vag, epi atelye (plantasyon) yo pral depatcha. Nwa yo te pwouve nou ke pou ale nan lagè, yo pa bezwen rad, soulye, chapo, charyo, oswa manje ki nan magazen." (Trad.) (123)
Epi lè viktwa a toupre, popilasyon an te konnen kouman chikannen ledmi a sikolojikman ak jès ki te efikas anpil. An lane 1803, sòlda franse yo ki te nan mizè, nan fen lagè a, te menm rive manje rat. Yonn nan yo te dekri atitid Nwa yo devan malè yo :
"Imajine pozisyon yon dal malere [sòlda franse yo] ke grangou ta pral fann fwa yo, ki blije defann tèt yo kont lènmi tchak, ke nouvèl sa yo pap pa rann yo pi radi, epi kòm yo pa ka eseye sove, san yo pa riske tonbe, swa anba men Angle yo, swa anba men menm nonm sa yo... (...) Nèg yo ki te konnen tout sa ki t ap pase nan mitan nou, te vin limen dife sou tout tèt mòn yo : se te fason yo te eksprime kè kontan yo nan okazyon sa yo, kote yo te gen dekwa felisite tèt yo pou kèk viktwa." (Trad.) (124)
Me pou aspè mantal la, ki se yonn nan plizyè eleman ki te gen bon enfliyans sou mouvman revolisyonè ayisyen an. Men, mwen gen anpil dout ke aspè sila ki fè elòj moun nwa ap enterese zòt. Menmsi istoryen sa yo t ap chache yon lòt aspè ke relijyon tradisyonèl la, kòm faktè ki lakòz viktwa 1804 la.


a) Pratik militè modèn kont tradisyon sovaj

An 1987, istoryen franse Pierre Pluchon, (125) te bay agiman, ki di angro, ke pratik relijye ak majik ki fè rebèl yo vanyan nan konba, si yo te evidan nan kòmansman Revolisyon an, yo te diminye plis tan t ap pase, pandan ke taktik militè modèn te ranplase yo. E, dapre Pluchon, se te adopsyon modènite a, ansanm ak rejete majik zantray la, ki te garanti endepandans Ayiti a.
Deklarasyon Pluchon a sijere ke : a) relijyon tradisyonèl la ak majik rebèl yo te enkonpatib [kidonk pa t mache] ak taktik militè epi estrateji ki chita sou entelijans ; b) ke si rebèl to te adopte metòd militè sa yo, sa ta otomatikman vle di ke yo te abandone pratik zansèt yo ki gen rapò ak lagè.

Repons nou :
N ap bay agiman ke pratik relijye rebèl yo, otan ke pratik majik yo, pa te chanje pandan tout dire Revolisyon ayisyen an. E sa, menmsi konesans militè yo te evolye. Rebèl yo pa t jwenn okenn enkonpatibilite ant pratik relijye/majik yo ak itilizasyon estrateji militè ki te alamòd nan tan yo. Paske:
1- Depi lane 1791, rebèl yo te gen tan aprann taktik lènmi yo sou chan batay la. Akizisyon an te tèlman rapid ke blan franse yo te sispèk Cambefort, yon kolonèl nan Rejiman Okap la, te nan konkonbrèt ak rèbèl yo. Cambefort te defann tèt li ak mo sa yo :
"Men, yo di, yo [rebèl yo] konnen taktik la, yo sèlman te ka aprann li de wou? Se vre, nou te ba yo leson manch long, epi nou oze bay tèt nou glwa pou sa. Tout kote, epi san rete, nou te atake yo, pouswiv yo, bat yo epi detwi yo. (...) Men, ke yo site bannou yon sèl egzanp kote rebèl yo te pran leson taktik ke nou te ba yo ak bon kè ; yo te fè kèk nan nou prizonye, epi nan mitan rebèl sa yo, te gen lidè ki te vini soti an Ewòp ak entansyon boulvèse Koloni a." (Trad.) (126)
Akoz de obsèvasyon serye ke yo fè de lènmi an, ansanm ak patisipasyon, depi nan premye jou yo, de plizyè nwa ak milat ki te sèvi kòm marechose (milisyen koloni a), rebèl yo te jwenn yon dal taktik lagè oksidantal. Men, taktik sa yo ke yo te aprann, pa t fè yo voye jete metòd lagè sivilizasyon yo. Okontrè, yo te fizyone (kidonk melanje) 2 apwòch lagè sa yo nan avantaj yo :
"Nwa yo, ki gen lontan pa t konn goumen kare, yo pran eksperyans ; kounye a yo goumen trè byen aliyen, e yo ajoute taktik nou yo ak ansyen metòd lagè yo, ki se anmède lènmi a san rete, pwofite de lannwit, lapli, tanpèt, pou fè atak yo ke yo renouvle achak inèdtan, kote yo toujou nan dengonn lame lènmi a, san yo pa mete enpòtans nan kenbe yon pozisyon. Yo toujou konnen pozisyon lènmi yo : nan sa yo jwenn èd nan men papa yo, frè yo, sè yo, zanmi yo, boubout yo, ki nan mitan blan yo ki pa veye bouch yo, e nwa yo pa manke pwofite de pale anpil blan yo, pou yo lakòz pi gwo malè rive." (Trad.) (127)
2- Epi, apre Sonthonax (Sonntonaks) ak Polverel (Pòlverèl) te aboli lesklavaj nan lane 1793 (ofisyèlman nan 1794), rebèl yo, ki te antre nan lame franse pou konbat kolon separatis, anvayisè panyòl ak angle, te ajoute plis taktik militè franse nan makout yo. Sepandan, nouvo zouti lagè oksidantal sa yo pa t lakòz sòlda nwa yo bat Franse yo. Paske, rebèl yo pa t ap janm ka genyen lagè a, si yo te fè batay aliyen ki se yon vye metòd oksidantal kanni. Okontrè, rebèl yo te montre tout sa k pa bon nan metòd batay aliyen an. Viktwa Revolisyon ayisyen an soti pito nan sa Dessalines te rele "Chikannen", ki vle di "anbete" lènmi an. Chikannen, se yon metòd lagè "Afriken" ki soti nan "hit and run" (frape epi kouri) ke pèp Bantou nan "Lafrik" Santral ak Disid yo te konn pratike nan lagè. Nan Sid kontinan "Afriken" an, "hit and run" an te itilize jouk 1810-1816, lè Chaka Zulu (Chaka Zoulou) te entwodwi goumen bab pou bab kòm yon nouvo metòd lagè. (128)


Resanblans nan lagè Nwa Sendomeng yo ak lagè Nwa nan Afrikdisid yo
Chikannen - Sendomeng
"Hit & run" Zoulou - Afrikdisid
(Goumen bab pou bab)
"San ankenn nosyon, ni eksperyans de sa k lagè, esklav yo te fè l nan premye tan yo nan mannyè sovaj yo." (Trad.) (AM)
"Yo te goumen nan yon foul, yo rele yon impi, e te gen yon ti kras oswa pa t gen ankenn òganizasyon ladan l. (...) Taktik yo pa t egziste." (Trad.) (DRM)
"Granmoun, fanm ak timoun, tout te ale nan batay jan yo pi pito." (Trad.) (AM)
"Yo te kòmanse pa avanse ak yon bri terib, epi yon gwo kantite fanm ak timoun ki te devan yo, t ap chante ak rele ansanm." (Trad.) (MD)
"Fanm ak timoun yo te reyini sou yon ti mòn toupre pou yo rele enkourajman yo epi gade espektak amizan an." (Trad.) (DRM)
"Anpil fwa, yo avanse jouk yo rive nan zonn yo ka pran bal, akozde konfyans yo genyen ke bal lènmi a pa t ka rive jwenn yo, epi pou yo konvenk nwa yo de pouvwa wanga yo." (Trad.) (MD)
"Kèk sòlda vanyan te kouri poukont yo pou yo bay rèl "giya" [giyon ann Ayiti], kidonk pou bay tèt yo lwanj epi pou touye yon lènmi imajinè." (Trad.) (DRM)
"Nan mitan yon kokennchenn silans, sèl vwa majisyen yo ou te tande ki t ap chante ak danse ak gouyad andyable." (Trad.) (MD)
"Anpil tan anvan goumen an te pase nan rele byen fò epi bay lènmi an gabèl (takinen li)." (Trad.)  (DRM)
"Yo pa janm kanpe sere oswa dekouvri [kidonk nan distans bal te ka pran yo] (…) depi yo mache drèt sou yo ak anpil asirans. Lè sa, menmsi yo ta ven kont yon sèl, pa gen anyen ki te ka kenbe yo pou goumen ; yo te chape kò yo…" (Trad.) (MD)           
"Men zòk pou domaje lòt la te ra epi pa t janm gen ekstèminasyon." (Trad.)  (DRM)
"Pa gen ankenn egzanp kote nwa yo te atake bab pou bab, blan ki te pare ap tann yo." (Trad.) (MD)
"Ta ka gen yon tantativ pou ansèkle yon lènmi, men, menmsi te gen ase sòlda pou fè taktik sa, yon batay te raman nesesè." (Trad.)  (DRM)
"Yo sèvi ak plizyè kalite majik ke yo te mele ak pratik relijyon kretyen an." (Trad.) (AM)
"Yo [majisyen yo] te fè maji (ouanga)  [wanga] pou asire siksè atak la." (Trad.) (MD)
"Zulu Izinyanga [gangan tradisyonèl] yo te konn itilize talan yo tou pou asire dominasyon mistik sou lènmi yo nan yon lòt fason tou, e patikilyèman moun ki pwisan yo te panse ke yo kapab lakòz konfizyon lè yo kreyè bwouya oswa fè lènmi a pa wè mouvman lame anfas li a". (Trad.) (IK)
Amazwi okuwunga = wanga, pwoteksyon majik, nan lang Zoulou. (OL)
"Èske Latik te transmèt adorasyon li ak lizaj li yo
Bay pitit plaj lwen sa yo ki malere…
Men, yon towo bèf te parèt, ak koulè nwa li sa,
Aparèy fineray sila ak lyann flè li yo
Se pou yon sakrifis ke yo ofri ak inosans
Pou divinite sila ke boubout li se Lespwa.
Nan mitan moun yo, yon oratè te kanpe ;
Li gen travay rèspètab ki se fè sakrifis la.
Ame ak yon fè sakre, bra li ale sou viktim nan
Li te bay kou fatal la, ak fòs djanm ki te monte l la." (Trad) (HD)
"Twoup yo t ap mache rive KwaNodwegu, kote ibutho ki pi jèn yo te blije touye ak pwòp men yo yon towo nwa ke yo te chwazi espesyalman. (...) Sèvis la te gen objèktif pou pran fòs ak kouraj towo a, epitou, pou kore sòlda yo ak pwoteksyon lasante ke yo te mete sou yo (...) Lè nonm yo te fin fè sèvis sa yo, yo te konsidere ke yo te antre nan yon lòt eta mistik ke nan lavi nòmal yo. Yo te relye ansanm nan yon inite espirityèl, epi yo te prepare pou mal - ki senpman gen non umnyama, nwasè - ki gen pou deklannche pa san k ap koule nan konba." (Trad.) (IK)
"Kanta pou koze ki di sou Dekorasyon militè ke rebèl yo ap panpannen avè yo, elas ! se pa t akozde nou ke yo te gen menm dekorasyon ak nou. Se te sou kadav kanmarad lame nou yo ke yo te pran siy onorab sa yo ! Yo te sèvi ak yo alafwa tankou trofe epi tankou bijou ki enpresyone je tout pèp sovaj." (Trad.) (CAM)
"Lòt aksyon netwayaj la, se te lè moun ki genyen an te mete kèk nan pati nan rad nonm li te tiye a. Li te mete rad jouk sèvis konplè a te fèt, e sa te yon siy vizib de leta espiriyèl sòlda a, ansanm ak reyisit li kòm yon gerye. Pratik sila te rele zila. (…) Pi fò tan, se te rad pati anwo yo, ke yo te pran sou kadav Ewopeyen yo." (Trad.) (IK)
(Dappiyan)
"Yo te atake tou, kèk fwa pa sipriz nan lannwit, ki souvan mache pou yo akozde de laperèz yo blayi nan mitan lènmi yo." (Trad.) (MD)
"Nan vwayaje vit, li [yon klan] konn atake anvan solèy leve." (Trad.)  (DRM)
Koupe tèt boule kay : "Yo te sove sèl doktè yo ak chirijyen yo, nan konfizyon terib sa. Kèk blan, ki te pran sanzatann nan flanm dife ki t ap swiv ekstèminatè sa yo, te evite lanmò sèlman nan fè sanblan ke yo te gen gran tit sa yo [doktè oswa chirijyen]." (Trad.) (MAZ)
"Boule kraals [ti kay] yo, fè bèf yo chape, ak masakre viktim yo, yonn pa yonn, pandan y ap kouri soti nan kay yo k ap boule." (Trad.)  (DRM)

Se pa etonan ke nou te dekouvri gwo resanblans ant ajisman militè revolisyonè Sendomeng/Ayisyen yo ak ajisman militè pèp Bantou yo ; espesyalman ajisman miliyè Sidafriken yo, nan tan anvan Chaka Zoulou a. Paske gwoup etnik Zoulou a, ki yonn nan nanchon sakre ki fè relijyon zantray ayisyen an, gwoup sa gen menm kilti ak anpil lòt gwoup etnik yo te bay non Kongo nan Sendomeng.
3- Teknik lagè Bantou (oswa Kongo) sila, te aplike nan mwa fevriye 1802, lè Anri Kristòf ki te kanpe anfas debakman batiman ekspedisyon Leclerc a. Jeneral Anri Kristòf te pran mòn pou li, apre l te fin mete dife nan lavil Kap Franse. E li te kòmanse pa boule pwòp kay li. Aksyon brav Jeneral Kristòf sa te fòse twoup franse yo dòmi nan yon vil tropikal ki ansann. Nan kondisyon malpwòp sa, maladi kontajye tankou lafyèvjòn te blayi fasilman pou fann fwa Franse yo. Anplis, nan lèt li nan 8 fevriye 1802, Tousen Louvèti, Gouvènè Jeneral la, te bay Desalin lòd pou l aplike nan Pòtoprens, teknik ki pi rèd nan lagè geriya++++** :
"Anyen pa dezespere, sitwayen jeneral, si w ka rive retire nan men twoup ki debake yo, avantaj ke Pò Repibliken [Pòtoprens] ap ofri yo. Eseye, nan tout jan ki mande fòs oswa konpetans, pou w boule kote sila ; li bati an bwa. (...) chèche jwenn moman lè twoup yo ap flebi akozde ekspedisyon yo nan plenn yo, epi lè sa, eseye pran yo pa sipriz epi pran vil sa pa dèyè.
Pa bliye ke, annatandan sezon lapli a ki dwe debarase nou de lènmi nou yo, sèl resous nou genyen se destriksyon ak dife. Sonje ke tè a, ke nou benyen ak lasyè nou, pa dwe bay lènmi nou yo yon ti zing manje menm. Krabinnen [bloke] chimen yo ; fè yo vide kadav ak chwal nan sous dlo yo ; fè tout bagay disparèt, boule tout bagay, pou sila yo ki vin pou remete nou nan lesklavaj, toujou jwenn devan je yo imaj lanfè yo merite a." (Trad.)
(129)
(Vil Kap Franse pandan Jeneral Kristòf t ap boule l an 1802)
Sous : Ernik Ema. "The Burning of Cap-Haïtien by Haitian Revolutionary Forces" ; URL : https://auctions.bidsquare.com/view-auctions/catalog/id/2168/lot/741149/material-culture-the-burning-of-cap-hatien-by-haitian-revolutionary-forces

E ki plan Desalin ap genyen, lè l vin kòmandan an chèf kèk mwa apre sa? Antanke nonm ki konnen bonjan estrateji Bantou yo, li te retade batay la otank posib, pandan l ap tann pou Franse yo "tonbe tankou mouch", anvan l atake yo, anvan l "chikannen" yo :
"Pafwa nan moman kote li gen espwa, me jan de kalkil Desalin, ak jan de diskou li te fè bay ofisye li yo : "(i) Vouz' autr' tiembé coeur... tiembé coeur, moi dis vous : blancs france layo pas capab' tenir contr' bonhomme Saint-Domingue ; yo va aller, aller, aller, puis va rester; yo va malades, yo va mouri comme mouches. Coûtez bèn : si Dessalines va  rendre cent fois, li va trahi cent fois. Ainsi moi di vou z'autr' tiembé coeur, et pis vous va voir quand yo va p'tit, p'tit, nous va chicaner yo, nous va batt' yo, nous va brûlé toute récolles layo; puis nous va caché dans mornes à nous. Eh, que yo capab' tenir; yo va aller.... Après, Dessalines va rend' vou z'autr' libres. Blancs caba parmi nous ; blancs caba onti nous.... Nou z'autr' assez pour gagner pirogues, et aller prend' toutt' bâtiments layo qui après filer dans mer".
(i) "Pran kè, pran kè, mwen di nou : blan franse yo pa kapab reziste lontan kont moun Sendomeng ; yo pral mache byen an premye, men byento yo pral vin malad, epi yo pral mouri tankou mouch. Koute byen : si Desalin rann tèt li san fwa, li pral trayi yo san fwa. Konsa, mwen repete, pran kè, epi ou pral wè ke lè Franse yo vin yon ti kal, nou pral chikannen yo, nou pral batay ake yo, n ap boule rekòt yo ; apresa, nou pral kache nan mòn annou. E kòm yo pap ka kenbe peyi a, yo pral blije ale....  Apresa, Desalin pral rann nou lib. Blan kaba nan mitan nou ; blan kaba akote nou…. Nou kont ase pou nou bati kannòt, epi pou n al pran tout batiman layo na va jwenn k ap file sou lanmè"." (Trad.) (130)
E se lojik Chikannen oswa "hit and run" ("frape epi kouri") an, atizay lagè Bantou sila ki te melanje ak relijyon, ke Jeneral viktorye Desalin te blayi nan diskou li nan dat 28 avril 1804 :
"Kite li pwoche, pèp sa ki san konprann ase oswa ki frekan ase pou atake m. Apenn li pwoche, Lwa Ayiti ki pa nan jwèt la, ap soti anba fon Lanmè, l ap kanpe tchak ; l ap ogmante vag lanmè yo, l ap motive tanpèt yo, epi ak fòs ponyèt li, l ap gaye epi detwi batiman yo. Lwa lanati yo obeyi bèl vwa li ; maladi, lapès, grangou, dife, ak pwazon toujou sou lòd li. Men, pouki nou bezwen konte sou sekou klima a ak eleman yo? Èske m bliye ke m ap kòmande yon pèp ke kouraj li ka pouse baryè yo epi li ogmante plis gen danje ! Kite yo vini bann sasinè yo ! m ap tann yo djanm san kè sote. Ma va bandone plaj yo ak kote vil yo te egziste yo bay yo ; men, malè pou sila yo ki ta pwoche twò pre mòn yo ; li ta pi bon pou yo si yo ta glouti anba fon lanmè, olye ke men tchak pitit Ayiti yo ta dechire yo." (Trad.) (131)


b) Agiman konplo politik kont majik avèg la

Kèk ane apre Pluchon, an 1999, David Geggus te pran kòn an lè l te simaye toupatou pwovèb kreyòl la ki di "konplo pi fò pase wanga". Sa vle di, ke yon konplo oswa planifikasyon konplotè Sendomeng yo te fè nan Mònrouj, nan 14 dawou 1791 la, te pi efikas pase majik rebèl sa yo te fè nan seremoni mistik yo. (132) Depi yon ti tan, Geggus te admèt enpak relijyon tradisyonèl la sou Revolisyon ayisyen an. Men malgre sa, nou dwe konfronte agiman li te fè a, e ke li pa nye dirèkteman, akozke anpil revizyonis kontinye simaye agiman Geggus la.

Repons nou :
1- Pou istoryen ewosantrik yo (kidonk, ki enterese sèlman sou vizyon Lewòp), ak Ayisyen alyene yo (kidonk, ki renmen zòt plis pase pèp yo), 2 gwoup sa yo ke prejije rasis ap mennen, relijyon moun Nwa vle di : gen lafwa avèg, san reflechi ak san rezon. Se pou rezon sa, yo retire nan men revolisyonè nan Sendomeng yo tout dwa pou yo aprann pou tèt yo, ki se yon bagay nòmal pandan 12 lane lagè kont 3 nan pi gwo pwisans nan tan sa (Lafrans, Angletè ak Lespay).
Se yon reyalite, pandan batay yo, rebèl yo te sèvi ak wanga (ouanga) oswa ak "cham" ki te fè yo pa pè lanmò :
"Nan mitan yon kokennchenn silans, sèl vwa majisyen yo ou te tande ki t ap chante ak danse ak gouyad andyableYo te fè maji (ouanga) [wanga] pou asire siksè atak la. Anpil fwa, yo avanse jouk yo rive nan zonn yo ka pran bal, akozde konfyans yo genyen ke bal lènmi a pa t ka rive jwenn yo, epi pou yo konvenk nwa yo de pouvwa wanga yo. Atak yo te kòmanse ak rèl epi bri ki ka kraponnen kapon sèlman." (Trad.) (133)
Men, kontrèman ak relijyon yo rele devwale yo, kwayans pa nan relijyon moun nwa ki pa konnen zafè dògm la (ki se obeyi sa ki ekri, san mande prèv). Relijyon moun nwa baze pito sou konesans, obsèvasyon, eksperimantasyon, rezilta verifyab. Li baze sou tout bagay ki konekte entèlijans, ak sa sans nan kò yon moun ka konstate, epi sou koneksyon entwisyon mistik ak reyalite lavi a jan l ye a toutbonvre. Moun nwa yo pa bezwen reyalite jan yo kwè ke li ye, jan yo ta renmen ke li ye, ni jan yo te li l nan yon swadizan liv sakre.
Men, majik wanga moun nwa yo pa chape reyalite a. Mo wanga sa (soti nan lang Kikongo : bwanga, oswa waanga, nan rejyon Kongo yo rele Kasaï (Kazay)) (134) li se yon "cham", yon majik pou atak oswa pou defans. Men aksyon li limite nan espas ak nan tan. Pwovèb kreyòl la di vre : "Konplo pi fò pase wanga", paske yon bon konplo mache pou pi lontan, epi li pi efikas pase pi gwo wanga a. Se poutèt sa rebèl yo te fè seremoni Lemba e ekesa a pi pre posib lè batay la, (pandan dezyèm seremoni 21 dawou a) pou rebèl yo ka profite de fòs majik wanga ki tou fre.
Bon, konnye la, nou pa dwe konfonn wanga ansanm ak relijyon tradisyonèl la, paske wanga se sèlman yon grenn nan tout sa k ladan l. Anplis de wanga oswa cham majik, konsepsyon ke rebèl yo te genyen sou lavi apre lanmò (ki pa majik, men espirityèl), te gide yo nan konba a. Kaptif (esklav) Ibo yo (ki soti nan peyi yo rele Nijerya jounen jodiya), epi Anmin yo oswa Anminan yo (ki soti nan peyi yo rele Gana, Benen ak Togo jounen jodiya), te konnen ke si yo mouri, yo t ap ale nan peyi zansèt yo ki se "Lafrik" Ginen. Epitou, lanmò t ap pèmèt yo reviv nan yon lòt kò :
"Nèg Anmin ak Ibo yo kwè nan métempsycose [metanpsikoz]," Poukisa, yonn nan yo te di m, "nou pa ta chache diminye chay chenn nou, nan espwa nan lavi miyò? Pèdi libète nou dwe nesesèman mennen pèt de egzistans fay nou an. Konsa, ou pa bezwen blame nou dèske nou touye tèt nou, paske zak sa mete otan nan soufrans nou." Vreman vre, Anmin ak Ibo yo, lè yo rive nan Sendomeng, oswa nan nenpòt ki lòt zile, kote sò yo se pou yo vin esklav epi pou yo wouze tè a ak lasyè yo, yo kwè ke yo ka chape move tretman mèt yo, ki souvan enjis ak mechan, lè yo bay tèt yo lanmò." (Trad.) (135)
Pa gen moun ki ka demanti ke yon sòlda ki pa pè lanmò, se yon kokennchenn avantaj. Sepandan, se pa t wanga, men konsepsyon favorab rebèl yo te gen de lanmò, ki te dèyè taktik swisidè yo nan kòmansman levekanpe a :
"Ke yo pa di ke sa se rakonta ak rèv : gen nan Ewòp yon dal nwa ak milat ki ka sètifye tout verite sa yo. Mwen te rankontre kèk nan Lafrans, mwen te rankontre jouk nan Itali ; mwen te menm temwen nan 1791 lè lavalas malè ak krabinay la te pete. (...) Lè se pa t esklav ki te rive soti nan tchouboum lamizè yo, ki te konfime zak fann fwa sa yo ; kan sila yo, nan premye atak yo, te vin, elas! tonbe anmas sou bayonèt ak kannon yo, pandan yo te sou alafwa ak wonm ansanm ak majik, nou pa ka gen ankenn dout sou reyalite kòz revòlt la." (Trad.) (136)
Rive nan tan batay Vètyè a (18 novanm 1803), Jeneral Kapwa Lamò (Capois Lamort) te sele defèt Franse yo ak yon zak vanyan ki sanble ak zak brav nan premye moman levekanpe a.
2-Te gen sètènman, nan mitan rebèl yo, kèk ki te gen yon kwayans avèg nan wanga yo. Me egzanp yonn nan yo, ki te mande yon nonm tire sou li, paske wanga ("ouanga") achte li a ta dwe bloke bal fizi a :
"Louis, chasè, nan katye Grannrivyè a, te maton nan tire fizi ; yon nèg ki soti nan kòt la, plen ak lafwa nan yon gad kò li te achte, te di l yon jou, devan pechè sila, "Ou bon anpil, ou pa janm manke kout fizi w ; men mwen gen yon ouanga [wanga], epi mwen defye w rive atenn mwen a ven pa." Louis aksepte defi a: malere a mare ren li ak yon po lapen, epi li tann san okenn krent bal la ki blayi l rèd mò devan papòt bitasyon kote sa te pase a." (Trad.) (137)
Sepandan, jan de arogans sila ki chita nan mal konprann sa majik ye, se pa tout rebèl yo ki te pataje l. E arogans sa te pi ra ankò kay lidè yo ki te toujou konbine pratik tradisyonèl ak anpil je klere :
"Jean François te pran tit gran amiral de Frans ak jeneral anchèf ; epi Biassou, lyetnan li, te pran viswa peyi yo konkeri yo. Yo te domine bann ki fèt ak Kongo, Mandeng, Ibo, Sinigal, elatriye, akozde entèlijans siperyè yo ansanm ak sipèstisyon yo. Yo te mete yon disiplin grav nan mitan yo, epi jan yo te fyè a, konsa yo te mechan kont mèt, jan sila yo te konn mechan ak yo." (Trad.) (138)
Anplis, majik akonpaye ak je klere sila, ke Jean-François Papillon ak Georges Biassou te fè nan premye moman yo, rebèl yo te konsève l jouk viktwa final nan novanm 1803 a. Paske Desalin, jeneral anchèf nan moman viktwa a, menmsi si li te yon jeni (maton) nan estratèj, il pa janm pa t gen bwat tabak majik li sou li. (139) Nou dwe mande tèt nou tou : si rebèl yo te kwè majik yo te 100% san risk, poukisa yo ta itilize Chikannen, yon taktik konba defans ki chita sou rale bak kòm estrateji? Epitou, tradisyon ayisyen an okouran ke gen limit nan fòs tout wanga, selon tan ki pase ak distans ki ogmante. Sajès kreyòl la ki di konsa :"Yo bò w pwen, yo pa voyo w dòmi nan kafou" montre kijan tradisyon an gen je klere ladan l. Paske, li fè konnen ke lè "yo ba w pwoteksyon majik, yo pa voye w pran risk ki pa nesesè". Anplis de sa, 33 lane anvan reyinyon Bwa Kayiman an, Makandal, pi gran majisyen ki janm te genyen, te di jij Courtin ki te klesyone l, limit zak majik yo, ki poutan efikas. Se sa k fè, pou yo te touye ledmi yo, Makandal ak konplis li yo te konplete zak majik yo ak pwazònman. ++++***
Finalman, menmsi yo te sèvi ak li, elit rèbèl Sendomeng yo pa t wè majik tankou yon bagay ki t ap fè yo rasanble. Yo te pi pito entelijans. Akozde wòl entèmedyè yo nan plantasyon, chèf atelye, chofè ak domestik sa yo, te fè entelijans yo mache, pou yo te fonksyone nan mitan blan ak moun nwa, ki se 2 ras yo konsidere ki pa rezonab. Modpas rebèl yo, ki pa t mizilman, te eksplike vizyon yo :


Tradiksyon :
"Tèt a wa, kè a blan, vant a nèg. (...) Sanble ke modpas sa yo, se te envansyon Biassou, ki te mete nan yo, pa gen dout nan sa, yon sans ke m pa janm te kapab konprann, (Remak otè a.)" (140) 
Nan opinyon asosye Boukman yo, entelijans oswa larezon, yo te jwenn sa nan wayote sakre "Afriken" an, ke yo reprezante nan Lamerik. Entelijans sila, yo te jwenn li tou nan wayote sakre Ewopeyen an, ke wayalis yo oswa patizan wa a te reprezante. Se sak fè yo te gen fyète idantifye tèt yo kòm "Gens du roi" ("Moun a wa a"), paske gid yo, se te "Tèt a wa", ki se intelijans wayal ki sipwèm ak sakre.
Modpas sila, se te envansyon Biassou, ki limenm te yon Houngan (prèt tradisyonèl) ak chèf militè ki "te plis nan sipèstisyon". (Trad.) (141) Etranjman, modpas Biassou a sanble anpil ak sa Platon rele "tripatisyon nanm an", kidonk, divizyon nanm nan 3 pati. Dapre Platon (Repiblik la, Liv IV),  yon vil pafè ta dwe divize an 3 klas ki reprezante 3 pati nan nanm nan. Ki se :
  • a) Klas Lò a, ki fèt ak Wa-Filozòf yo, ki se gouvènè ki mache ak Rezon/Entelijans (noûs oswa noos) - "Tèt a wa", dapre Biassou. 
  • b) Klas Lajan an, ki fèt ak Sòlda k ap pwoteje vil la, e ki motive pa Kè yo, sa vle di Volonte ak fè Kòlè (thumos) - "Kè a blan", dapre Biassou.
  • c) Klas Bwonz la, ki fèt Travayè yo, Abitan yo ak Komèsan yo, ki pwodwi richès e ki motive pa Vant yo (epithumia), sa vle di anvi ki pi ba yo, plezi ak fè lajan - "Vant a nèg", dapre Biassou.
Konparezon sila vin pi egzak ankò, lè w konsidere ke Platon te reprezante teyori l la nan yon dyalòg li rele "Fèdr". Dyalòg la montre teyori a ak egzanp yon Chofè (Tèt) k ap gide yon charyo ki gen 2 chwal : 1 chwal blan (Kè) ak 1 chwal nwa (Vant). Istwa sa te sètènman parèt vre pou klas elit nwa ki te kòmandè, chofè ak domestik yo (Tèt a wa). Pifò nan yo te kreyòl, epi chak grenn jou, yo t ap tanpere 2 klas san tèt ki te lèdmi : klas kolon yo ki te jeneralman blan Ewopeyen anraje, ke se lèstomak yo k ap menmen yo (Kè a blan), epi klas moun nwa kaptif (esklav) yo ki te jeneralman "Afriken", ki te saf, paske vant yo t ap menmen yo (Vant a nèg).
Sepandan, konsèp ras la pa t nan lojik Platon ki te konsidere chwal ki gen je ble kòm move, pandan ke l te wè chwal ki gen je nwa kòm bon. (142)


"Nègès ak Nèg nan Sendomeng"
Sous : Jacques Grasset de Saint-Sauveur, Illustrations de Encyclopédie des voyages, contenant l’abrégé historique des moeurs, usages, habitudes domestiques, religions, fêtes… (1796).

Kidonk, si modpas la otantik (li kapab otantik, paske otè a te prezan nan moman levekanpe jeneral la), li demontre ke revolisyonè nan Sendomeng yo te gide pa entelijans depi premye moman yo. Yo te gen konsyans de limit anpirik (kidonk verifyab) majik zansèt yo. E yo te aksepte fòs ak limit majik la, menm jan ak sòlda Zoulou yo ki regilyèman te konn rechofe majik yo (143) pou li ka kenbe plis nan fòs li, pandan y ap travay pou rann zam yo ak estrateji yo pi efikas.


(Taktik goumen bab pou bab ke Chaka te vini avè l kay Zoulou yo nan lane 1810 rive 1816)
Sous : Angus McBride. The Zulu War. London, 1976. p.12.

3- Kritik yo pa konsidere relijyon ak sivilizasyon rebèl yo, konsepsyon yo de lavi ak lanmò. Kritik sa yo pa kapab konsidere tradisyonalis lòt jan ke yon bann egare ke majik fè yo gaga. Sepandan, anpil faktè relijye (ki pa majik) te enfliyanse konpòtman militè rebèl yo tou :  
  • Jou m pa rive oswa Predestinasyon (kidonk, kwè ke sò yo trase davans) : kèk nan rèbèl yo te konnen lè egzak lanmò yo ak kijan l ap rive. Konsa, yo pa t gen lakrentif nan batay. Me egzanp yon kaptif (esklav) ki te abitye naje nan mitan kayiman, paske l te konnen ke toutotan lè lanmò li pa sonnen, anyen k mal pap rive l : "Tout nwa yo, tan Gineyen, tan kreyòl, kwè nan desten. Nou te gen yon pechè ki te bon plonjè e ki te konn pouswiv tòti yo nan mitan kayiman ki se fanatik manje tòti. E konsa, li ekspoze tèt li nan naje, nan pwovoke kayiman yo, pafwa li menm goumen ak yo pou l rale tòti nan djòl yo, li te kwè di ke li pap peri, si lè li pa rive. Pandan lagè nan sid la, kisa ki te bay nwa yo, menm pi kapon yo, kouraj ak odas? Predestinasyon." (Trad.) (144)
  • Nan Ginen oswa Transmigrasyon nanm yo : Rebèl nan tout etni oswa nanchon yo te konnen ke si yo mouri, yo pral retounen Nan Ginen, nan peyi zansèt "Afriken" yo. Se sa k fè : "Ofisye mò pa yo, ke yo ranmase sou chan batay la, yo te antere yo ak zam yo." (Trad.) (145) Depi 1791, Biasson te fè diskou sou retounen Nan Ginen, apre lanmò, pou motive lame li a : "Lè eksitasyon an te rive nan wotè maksimòm li, Biassou, epi bòkò li yo ki swiv li, te prezante devan foul moun la epi li rele ke lespri Bondye te enspire l ; li te anonse Afriken yo ke si yo mouri nan lagè a, yo pral reviv nan ansyen nanchon yo nan Lafrik." (Trad.) (146) Epi Desalin, nan 1803, nan papòt endepandans la, te konsève menm kalte diskou a, lè li te pwomèt sòlda l yo ke si yo mouri, : "anba men Franse yo, se ta va yon kè kontan pou yo, paske yo ap transpòte touswit nan Ginen, kote yo pral rejwenn papa Tousen, k ap tann yo pou ranpli lame li a, ke li gen entansyon rekonkeri Sendomeng." (Trad.) (147)
  • Reviv yon lòt vi oswa Metanpsikoz : rebèl nan etni Anmin ak Ibo, jan nou te wè l, te konnen ke '"lè yo tchwe tèt yo", (Trad.) (148) yo pral soulaje soufrans yo, epi yo pral reyenkane nan yon lòt kò. Sa esplike anvi yo al pran lanmò nan konba.
  • Gen chans oswa Desten : kèk nan rebèl yo te kwè nan desten. Sa vle di ke yon moun ka gen chans oswa malchans. Yo gen siy ki ka parèt nan tout moman, ki pèmèt yo konnen si yo pral gen chans oswa malchans sou teren batay la. Depandan de siy yo jwenn an, yo ajiste degre kouraj ak vijilans yo kòmsadwa.
  • Gen bon tèt oswa Vizyon ak Rèv : gen kèk rebèl ki konn resevwa mesaj (nan men Lwa/Jany oswa zansèt yo) nan dòmi, ki di yo kijan pou yo aji nan lè, jounen, semèn oswa menm nan lane kap vini yo.
  • Fèt ak kwaf oswa Gen Don : kèk nan rebèl yo te senpleman fèt ak don, oswa ak kapasite fizik, mistik, pwoteksyon, elatriye, ki pèmèt yo reyisi zak ki danjere anpil, san yon ti zing malè pa rive yo.
  • Kou pou kou Bondye ri oswa Tire Revanj Sakre : Kontrèman ak kaptif (esklav) nan lòt koloni yo ki te vin mòlòlò akozde lafwa kretyen rèstavèk yo, tout rebèl tradisyonalis nan Sendomeng yo pa t gen okenn retisans nan rann esklavajis yo "gè pou gè, krim pou krim, tray pou tray". Yo menm te konnen ke nan tire revanj ki jis, yo t ap rebalanse lòd linivè a (lòd kosmik la).
  • Sa w fè se li w wè oswa "Karma" : tout rebèl yo te konnen ke totouta, tout bagay t ap rebalanse. Sa ki abize zòt (kolon yo), t ap toujou peye, sou latè, pou tout move zak yo. Menm jan tou, yo te konnen ke lè revanj la sonnen, chans t ap bò kote yo (kidonk rebèl yo).
  • Si gen pou yonn, gen pou de / Kwiy kouvri kwiy, Panyen kouvri panyen, oswa Boukante : rebèl yo, tankou tout tradisyonalis yo, te pataje ti kras manje ki te tonbe nan plat men yo. Potekole "afriken" sa te pèmèt lame revolisyonè a kenbe nan moman difisil yo. Potekole sila te fèt tou ak zam, lojistik, epi enfòmasyon taktik ke nwa ki te rete nan kan blan yo te voye bay rebèl yo : "Nan lagè Sendomeng la, anpil fwa nou te jwenn katouch bal franse tounèf sou prizonye rebèl yo ; blan yo ki te sezi, te lage blam nan sou dou gouvènman an ak ajan li yo ; men mwen menm, mwen te jwenn pawòl nan men Hyacinthe (Yasent) ki se yonn nan chèf revòlt la, msye ke m te pèmèt antre sou kèk bitasyon ansanm ak kèk lòt Nwa, te fè m konnen ke katouch sa yo, se Nègès ki abitye al nan kan blan yo epi ki rete lavil ki voye yo pou yo. Pou katouch yo, fi sa yo vann sòlda blan yo chou ak karòt, ansanm ak lòt kalite favè. Sèvitè Nwa yo, ki gen mèt yo nan kan yo, abitye soti lannwit, malgre jefò gad yo, epi yo pote katouch yo bay lòt nwa, ki yo menm voye yo nan kan rebèl yo, katouch sa yo ke Nègès yo te bay yo, oswa ke yo te vole nan pa mèt yo." (Trad.) (149)
  • Yon sèl dwèt pa manje gonbo/kalalou oswa Konbit (yonn ede lòt nan travay). Abitid moun sivilize sa te fè lènmi a kwè ke klima a te favorize rebèl yo, pandan ke rebèl te sèlman t ap fè konbit. Yonn t ap ede lòt pou pèmèt yo tolere kondisyon ekstrèm lagè a.
  • Bondye vle, Mistè a deside oswa Volonte Granmèt la : ansanm rebèl yo te konnen plis pase tout bagay, ke volonte Granmèt la, oswa volonte Lwa/Jany/Mistè a, elatriye, te pi fò pase sa lezòm ka konprann. E kòm yo pa kontwole tout sa k ap pase nan lavi, enben, ke l byen, ke l mal, sa ka rive a rive. Y ap pran l jan l vini a.
  • elatriye.
Ansanm tout faktè sa yo te mennen rebèl yo pran lanmò ak anpil kè kontan, nan dènye jou Revolisyon an, kon nan premye moman yo. Leclerc, jeneral Franse a, te konfime sa, lè l te ekri ke : "gason yo mouri ak yon fanatik enkwayab, yo ri nan lanmò. Se konsa tou pou fanm yo". (Trad.) (150) E Leclerc te ekri sa nan 9 dawou 1802, ki se yon dat ta anpil nan lagè a.

c) Reyalite a : efikasite tradisyonèl la

Men, yo mande, apade kouraj rebèl yo ki te soti nan kwayans yo nan wanga yo, èske nou ka di ke siksè Revolisyon ayisyen an soti dirèkteman nan seremoni relijye yo ki te fèt nan Bwa Kayiman?
Kesyon sila parèt rezonab, men li pa sa pyès! Paske, menm sa yo ki poze li pa mande prèv ki verifyab nan entèvansyon mistik nan gè sen lòt sivilizasyon. Yo pa janm poze kesyon sou wòl omonye (kidonk, prèt) nan lame lòt peyi. Ni yo pa kesyonnen lapriyè ke zòt fè anvan y al goumen, ni lefètke yo di se mistik yo ki ba yo viktwa nan lagè. Epi, kritik yo pa janm mande lòt sivilizasyon ki fè "gè sen", pou yo fè sòlda yo chita sou zo dèyè yo, pou y ap tann ke lapriyè yo fè lènmi a tonbe grenn pa grenn.
Istoryen sa yo ki selektif anpil nan kritik yo (kidonk, ki sèlman kritike lè sa fè afè yo), enben, yo simaye konsèp "gè sen" la bay tout pèp sou latè, eksepte lè se pou pèp nwa. Lè sa, toudenkou, yo ogmante wotè kritè syantifik yo nan yon nivo pèson pa ka atenn, nan yon nivo ki malonèt. Men, menmsi sa pral fè yo lapenn, nou pral demontre, nan 4 pwen, wòl prensipal ke relijyon tradisyonèl la te jwe nan siksè revolisyonè ayisyen an.
1) Kritik yo melanje tout bagay : endepandans, emansipasyon (kidonk libète jeneral), Bwa Kayiman, relijyon, majik, elatriye. Men, annou egzak. Ni endepandans, ni libète jeneral, pa te janm nan demann konplotè nan Bwa Kayiman yo. Demann yo te fè bay Lwa zansèt yo, se te sèlman 3 jou konje pa semèn ak pou yo sispann bat yo. Jean-François Papillon, premye lidè lame revolisyonè a, te di sa klèman, depi nan kèk premye mwa nan levekanpe a :
"Me pwòp pawòl li : "Se pa mwen ki te bay tèt mwen tit jeneral nwa yo. Moun ki te gen pouvwa yo te banm tit sila. [Tousen Louvèti ak Konite kont-revolisyon nan Okap la] : lè m te pran zam, mwen pa janm te pretann ke m t ap goumen pou libète jeneral, ke m konnen ke se yon chimè [kidonk, yon rèv ki pa p janm vin reyalite], pou jan Lafrans gen bezwen Koloni li yo, pou jan gen danje nan lage nan men yon bann moun ki pa sivilize, yon dwa k ap vin 1000 fwa pi danjere pou yo, e k ap lakòz, vle pa vle, koloni a detwi ; ke si mèt pwopriyetè yo te rete sou bitasyon yo, revolisyon an, petèt, pa t ap rive." Apre sa, li [Jean-François] te dechennen kont jeran bitasyon ak Trezorye yo ; li te vle ke yo foure, kòm yon atik fondamantal nan konvansyon yo, ke pa ta dwe janm gen jeran ak trezorye bitasyon nan Sendomeng ankò." (Trad.) (151)
Diskou Jean-François a reflete pafètman motivasyon rebèl revolisyonè nan Bwa Kayiman yo. Yo te viktim jeran ak trezorye bitasyon yo, san pèsonn pou mete bouch nan sa. Men, yo te okouran ke wa a t ap chache soulaje pwoblèm yo, men ke administratè kolonyal yo te refize obeyi lòd wayal la. Se poutèt sa yo te deside ke se sèl nan rezistans ame, yo t ap ka ranfòse nouvo dekrè wayal la (ki te yon fo) ki nan favè yo. Sepandan, me nan jounen 29 dawou 1793 la, kidonk, apèn 2 lane apre Bwa Kayiman, konplotè nan Bwa Kayiman yo te jwenn libète jeneral yo ; epi yo pa t janm pèdi li, ajamè. Ak libète sila, yo te jwenn klèman plis ke ti kras yo te mande nan sèvis relijye nan 14 ak 21 dawou 1791 yo. Jis sou aspè sa, nou ka di ke Lwa Lafrik Ginen te fè prèv yo. Endepandans zile a, se te yon degi, yon diplis. Konsa, nou dwe di ke Revolisyon ayisyen an te yon ti kal rezilta travay kaptif (esklav) (22 dawou 1791 - 29 dawou 1793 = 2 lane), men li plis rezilta travay moun libere (29 mwa dawou 1793 - 18 novanm 1803 = 10 lane).
2)  Kesyonman François alyas Dechaussée te enfòme nou ke pandan premye reyinyon nan 14 dawou 1791 la, konplotè yo te mete dakò sou "dat levekanpe ke yo te reflechi anpil tan sou li a". (Trad.) (152) Epi, yo te sele desizyon yo mistikman ak ofrann yon towo bèf. E dat yo te chwazi pou kòmanse goumen an, se te 25 dawou 1791. David Geggus te wè nan chwa sa, lefèke Asanble Okap la ta pral reyini nan jounen sa, e ke kaptif yo te vle pran opòtinite sa pou yo te "eliminen tout elit politik Sendomeng la yon sèl kou." (Trad.) (153) Analiz li a fo. Konplotè nan Mònrouj yo, ki te rele tèt yo "Gens du roi" (Moun a wa a), te chwazi dat 25 dawou a, paske li te yon jou ferye ki te mache ak fèt wayal Saint-Louis-Roi-de-France (Sen-Lwi-Wad-Frans) la :
"Bon, se te, jan nou te di, jounen anvan Sen Lwi a ke mesye Hottet, jeran msye Gilbert a, te ekri msye Drevet pou l te di l ke nèg esklav nan pati Lenbe a te revòlte, ke yo te touye tout blan yo te rankontre, epi yo te mete dife nan bitasyon yo." (Trad.) (155)
Dat atak la, 25 dawou, fèt Sen-Lwi-Wad-Frans la, te mache ak vizyon total kapital rebèl yo. Tradisyonalis sa yo te kwè ke tout bagay nan mond la te lye : relijyon, politik, lavi, lanmò, majik, kouraj, elatriye. Se poutèt sa, yo fè senkretik (kidonk, yo te melanje) Sen-Lwi-Wad-Frans, ki fete 25 dawou, ak rit Kongo a, ansanm ak Jany/Lwa Danwezo. (156) Chante sakre sila, ki soti nan pratik nan Nò a di li :


Danwezo, Danwezo, Senlwiwa e...
Senlwiwa. Senlwiwa, Danwezo.

Sen-Lwi-Wad-Frans te asosye tou ak 3 Wa Maj nan labib la (ki te 1 Nwa ak 2 Blan).

(3 Wa Maj yo)
Sous : "La adoración de los Reyes Magos", Diego Velázquez, 1619.

Me repons, nan lane 1793, ke chèf lagè Kongo Pierrot alyas Makaya te bay Komisè Polverel, ki byen rezime sitiyasyon an :
"Mwen se sijè a twa wa, wa Kongo, ki se mèt a tout moun nwa ; wa Lafrans, ki reprezente papa m, epi wa Lespay, ki reprezante manman m. Twa wa sa yo se pitit pitit sila yo ke yon zetwal te kondi pou yo t al adore Nonm-Bondye [Jezi] a. Si mwen te ale nan sèvis a Repiblik la, mwen ta ka rive fè lagè kont frè m yo, ki se sijè a twa wa sa yo ke m te pwomèt fidelite." (Trad.) (157)
Nan briganday ki te fèt nan Sendomeng nan non "3 Wa" yo, pwobableman ekspresyon kreyòl "Pran nan 3 Wa" a te soti. Ekspresyon sa dekri lefèke yon moun twouve l nan yon sitiyasyon grav ak difisil.
3) Sepandan, levekanpe a te deklannche nan lannwit 22 a, e pa 25 dawou, jan rebèl yo te prevwa a. Sa vle di ke yon chanjman dat te fèt apre reyinyon 14 dawou a. E san chanjman sa, Revolisyon an t ap echwe anvan l te kòmanse, piske otorite yo te enfòme de li ansanm ak dat 25 dawou a, nan entèwogasyon yo te fè. Otorite yo t ap tann rebèl yo byen djanm. E si yo te retire efè sipriz la nan men rebèl yo, otorite yo t ap wonfle yo fasilman. Kidonk, chanjman dat levekanpe a te sèlman posib gras a dezyèm seremoni a ki te fèt nan dimanch 21 dawou a. Se te sèl lè kaptif yo te gen dwa reyini an espas 14 rive 25 dawou. E san dezyèm seremoni sa, se ta va yon defèt asire, akozke rebèl yo te dispèse sou plizyè plantasyon, e ke yo pa t ap ka chanje plan yo epi kowòdone aksyon yo yon lòt jan.
4) Pandan dezyèm seremoni sa, kòm deba politik yo te fin fèt yon semèn anvan, plis tan te rezève pou rele Mistè yo. E piske seremoni tradisyonèl yo pa gen preche nan yo, desizyon ki te bay laviktwa a, ki se te pou yo atake jou kap vini an (22 dawou) olye de 25 dawou yo te prevwa a, pa t soti nan yon prèch. Bon jan desizyon sa ta dwe soti nan bouch yonn nan Mistè yo (petèt se te Mistè ki te monte Manbo Cécile Attiman Coidavid la? - ke yo rele Manbo Cécile Fatiman pa erè).++++**** Kòm prèv de sa, se sèlman apre dezyèm reyinyon sa, ke Ignace (Inyas), yon ti granmoun kaptif (esklav) nan bitasyon La Gossette, te fè konnen ke kaptif (esklav) nan bitasyon l yo te enfòme ke dat kòmansman levekanpe a te le 22 :
"Nou te aprann ke yon vye granmoun nwa, yo rele Ignace, epi li bon pou nou di ke, li diferan de lòt yo, paske yo pa bay l fè ankenn travay, li nan swen, e depi anpil tan, li te gen sekrè konplo a. Nan yon pale long li te genyen, lavèy revòlt la, ak yon nèg lib Grannrivyè (yonn nan kondane adistans nan zafè Ogé a), nonm sa te di l konsa : "moman vanjans la ap pwoche ; demen nan lannwit, tout blan yo dwe ekstèminen. Nou konte sou pwomès ou yo ak sou enfliyans ou."" (158)
Menm enfòmasyon tou fre sila (ki soti nan yon sipòtè Ogé, kidonk, yon nonm ki te dèyè egalite politik, e ki pa t mizilman) kaptif (esklav) nan bitasyon La Gossette la te mal jere li. Yo te atake nan menm lannwit 21 an. Men, arestasyon yon ti ponyen nan sa k te pi fèb nan yo, nan demen (22 dawou), pa t ede otorite yo anpeche malè ki t ap vini nan lannwit 22 a. Li te deja twò ta. Se sa ki entèvansyon Lwa a, Jany la, Mistè a, elatriye. Ayibobo!


+ Konplo wayalis yo te fè ant moun ki gen konfyans yonn nan lòt. Konsa, pa gen anpil chans pou yon wayalis ta pataje plan revolisyonè l ak Bayon de Libertat, nan prezans chofè Bayon ki se Tousen. Men, wayalis Séraphin Salnave te konnen Tousen depi lè Tousen te kaptif (esklav) sou plantasyon Bréda ki se pwopriyete Kont de Noé. Selon atik ki gen tit "Jean-Baptiste Salnave ou Coco Séraphin", Séraphin Salnave ak Bayon de Libertat, ki se 2 anplwaye Kont de Noé, te ede Tousen nan tan Tousen te anba kòd lesklavaj. Kidonk, Séraphin Salnave, ke Tousen te parenn pitit gason li, se te wayalis konfyans la ki t ap konplote ak Bayon de Libertat la, dapre pawòl Paul Aly a.
++ Tousen Louvèti, diskou 25 dawou 1793 : "Se mwen ki dwe travay pou li [bay tout moun libète] antanke premye ki te pati kòz sa ke m te toujou soutni ; mwen pap fè bak ; kòm mwen te kòmanse [Revolisyon an], m ap fini li. Mete nou ak mwen epi na va jwi konsa de dwa nou. Ni blan, ni milat, pa t janm konseye m plan m yo ; mwen dwe rann gras bay Granmèt la pou enspirasyon li te ban m pou m te lage m nan kòz sila. Blan ak milat yo pa t sispann blofe m, malerezman, plis ke nou ka remake. Nou te kòmanse [Revolisyon an], nou te soutni tèt nou, e kòm mwen te kòmanse l, m ap fini l." (Trad.)
(159) Konsa tou, nan diskou 25 avril 1796, ki te pou kiltivatè nwa Senlwidinò yo, Tousen te raple yo ke li te premye ki te tanmen Revolisyon an : "O wou Afriken, frè m yo, wou ki te lakòz mwen anpil fatig, syè, travay, mizè ! (...) Èske nou te bliye ke se mwen ki te premye leve drapo levekanpe a kont tirani, kont despotis la ki te kenbe nou anba chenn?" (Trad.) (160) Konsa, anfaz sou Boukman kòm moun ki te premye kòmanse Revolisyon ayisyen an, li ta dwe al jwenn Tousen pito. Limenm ki te rele "Louverture" (kidonk "Limenm ki Louvri chimen an") depi 1789, pou montre wòl li kòm moun ki te premye kòmanse mouvman an." Anplis de sa, Tousen Louvèti, lè l te pwoklame : "Se mwen ki te premye leve drapo levekanpe a", li te prete nan ekriti pwofetik Abbé Raynal la, ki te anonse ke yon lidè vanyan te gen pou rive nan mitan nwa yo, pou dechouke esklavaj la. E ke "li pral leve drapo sakre libète a". (Trad.) (161) Tèks anti-esklavajis sila, te popilè depi 1781. Konsa, Tousen te ka li li lontan anvan 1789 (dat revolisyon franse a). E kòm Gouvènè Laveaux, bon zanmi Tousen, nan yon lèt nan 1 avril ak yon lòt nan 5 avril 1796, te idantifye l ofisyèlman kòm ewo Abbé Raynal te anonse a, sa fè nou kwè ke Tousen te pran non Louvèti nan peryòd 1782-1789.
+++ Yon lòt kontanporen Tousen Louvèti (kidonk, moun nan tan l), jeneral franse Kerverseau (Kèvèrso), nan rapò li nan 7 septanm 1801 bay ministè lamarin ak koloni yo (rapport du 7 septembre 1801 au ministère de la marine  et des colonies), te deklare, jan Kolonèl Paul Aly te fè la, ke Tousen te "prezide reyinyon an kote li te chwazi Jean François, Biassou ak kèk lòt kòm chèf levekanpe a." (Trad.) (162)  
++++ Al gade nan Antoine Métral. Histoire de l’insurrection des esclaves dans le Nord de Saint-Domingue. Paris, 1819. pp.16-20. 
++++* Pratik tradisyonèl nan Repiblik Dominikèn an, li menm tou melanje rit yo. Non pratik Dominiken an se Las 21 Divisiones. Sa ki vle di ke li se melanj senbolik 21 Nanchon oswa Divizyon etnik. Sepandan, melanj nan pratik dominiken an se rezilta enfliyans pratik tradisyonèl nan Nò Ayiti ke Dominiken yo te enpòte nan plizyè moman. Paske, anvan kontak ak Ayisyen yo, prèt katolik yo te tabli sa yo rele Confrarias (Konfreri) etnik oswa mwatye-etnik, ki te pouse "divizyon" nan mitan kaptif (esklav) yo. E sa te anpeche melanj etnik la ki dwe egziste pou yon revolisyon ka posib. Lefèke, nan koloni franse yo, yo te entèdi konfreri sa yo, (ki kreye divizyon, men ki te simaye nan anpil koloni nan Lamerik yo, sou non "confrarias" oswa "brotherhoods"), sa te ede tèt ansanm ki te fè Revolisyon Ayisyen an. 
++++** Istoryen franse François Blancpain te ekri sa sou lagè endepandans la ak sou taktik Nwa yo t ap mennen nan mwa fevriye 1802 : "Mete dife ak Guerrilla [Geriya] Nwa yo te kanpe kont vanse ak kout zam Franse yo". (Trad.) (163) Vreman vre, fòm konba yo rele geriya a, ki fèt ak tann pyèj ansanm ak asèlman (anbetman), li pa anyen lòt ke "Chikannen" Desalin an oswa "hit and run" pèp "Afriken" yo rele Bantou yo. Yo te rekonèt geriya a pandan lagè Lespay (1808-1814), ki se apre Revolisyon ayisyen an (1791-1804). Depi 1791, twoup Panyòl yo te abitye wè nouvo metòd lagè sila nan kontak yo ak sòlda Sendomeng yo ki te sou kòmandman Jeneral Jean-François Papillon ak Georges Biassou. Jeneral Nwa sa yo te menm fini jou yo nan peyi Lespay, nan Florid ak lòt teritwa panyòl nan tan sa.
++++*** Gade Sébastien Jacques Courtin. Mémoire sommaire sur les pratiques magiques et empoisonnements prouvés aux procès instruits et jugés au Cap contre plusieurs Nègres et Négresses dont le chef, nommé François Macandal, a été condamné au feu et exécuté le vingt janvier 1758. (A.N. COLONIES F3. 88).

++++**** Anpil moun ap bat bouch yo sou idantite Jany, Mistè oswa Lwa a ki te pran posesyon kò Manbo Cécile Attiman Coidavid (Cécile Fatiman) pandan sakrifis kochon nan 21 dawou 1791 la. Gen kèk ki di se te Èzili Dantò. Gen lòt ki di ke se te Madan Lenba. Pandan ke gen lòt ki konvenki ke se te Marinèt Pye Chèch. Tout opinyon sa yo egal. Paske, pèsonn pa ka konnen toutbonvre. Dapre nou, Èzili Boran sanble plis mache ak pratik modèn nan Nò a. Sepandan, mwen gen anpil dout ke chwa pou yon Mistè fi te piti nan lane 1791, menm jan li ye jodiya. Men, kiyès ki di ke li te dwe yon Mistè fi? Manbo Cécile te ka te posede pa yon Lwa oswa Jany gason, jan sa rive souvan nan sèvis tradisyonèl yo. Konsa, nenpòt kiyès ki ensiste sou idantite Mistè ki te fè sakrifis nan Bwa Kayiman an, se sèlman kokennchenn ògèy li k ap pale pou li. Sa k pi nòmal la, se aksepte ke nou pa konnen. E petèt yon jou, yon endis istorik valab ka parèt. Men si endis sa pa parèt, pa gen pwoblèm.
 


Referans
(1) Gaspard Théodore Mollien. Moeurs d'Haiti. Paris, 2006. p.95.

(2) Pierre-François-Xavier de Charlevoix, Humblot. Histoire de l'île espagnole de St Domingue. Paris, 1731. p.501.

(3) Bontinck François. "Compte-rendu - Hilton (Anne). The Kingdom of Kongo". In :  Revue belge de philologie et d'histoire, Volume 65, Numéro 4, 1987. pp.865-868.

(4) Al gade bon jan liv Jean-Louis Donnadieu. Un grand seigneur et ses esclaves : le comte de Noé entre Antilles et Gascogne 1728-1816. Toulouse, 2009.

(5) "Extrait des notes de M. Leclerc, procureur-syndic du Limbé, commissaire du gouvernement près du tribunal criminel du Cap français, sur la brochure de M. Gros", AN, Col. CC9a 5.  In : « Les insurgés de 1791, leurs dirigeants et l'idée d'indépendance ». In : Yves Benot, Les Lumières, l'esclavage, la colonisation, La Découverte « TAP/HIST Contemporaine », 2005, pp. 230-240
.
(6-7) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti. Tome 1. Paris,1853. pp.226-227, 228.

(8) Panacea - Numéros 1 à 11. Miami, 1996.

(9) Pompée-Valentin Baron de Vastey.. Essai sur les causes de la Révolution et des guerres civiles d'Hayti... Sans Souci, 1819. p.16.

(10) "Jean-Baptiste Salnave ou "Coco Séraphin" In :  Revue de la Société Haïtienne d'Histoire et de Géographie, Vol.52, n°195. 1998. pp.43-44.

(11) Yves Benot. "Les insurgés de 1791, leurs dirigeants et l'idée d'indépendance". In : Les Lumières, l'esclavage, la colonisation, La Découverte « TAP/HIST Contemporaine », 2005 (), p. 230-240.

(12) Beaubrun Ardouin. Op. Cit. p.228.

(13) France Convention nationale. Débats entre les accusateurs et les accusés, dans l'affaire des Colonies, imprimés en exécution de la loi du 4 pluviose. Tome 1. Paris, 1795. p. 367.

(14) Beaubrun Ardouin. Op. Cit. pp.228-229.

(15-23) François-Alexandre Beau. La Révolution de Saint-Domingue, contenant tout ce qui s’est passé dans la colonie française depuis le commencement de la Révolution jusqu’au départ de l’auteur pour la France, le 8 septembre 1792. Inédit. In : Notes de Moreau de St-Méry. Col. F3/141, Archives nationales d’outre mer (ANOM).) Sitasyon Jacques Thibau. Le temps de Saint-Domingue : l'esclavage et la révolution française. pp. 273-320. ; Version complémentaire recueillie et gracieusement partagée par le prof. Jeremy D. Popkin.

(24) Jean-Louis Donnadieu. Op. Cit. p.148.

(25-29) François-Alexandre Beau. Op. Cit.
(30) Pompée-Valentin Baron de Vastey. Op. Cit. pp.8-9.

(31) Correspondance de M. de Cambefort avec M. de Blanchelande. Journal des Débats de l'Assemblée coloniale, le 7 novembre 1791. In :  Jean Fouchard. Les marrons du syllabaire. Port-au-Prince, 1953. pp.413-414.

(32) Verneuil Gros. Isle de St.-Domingue, province du nord...: Précis historique. Paris, 1793. p.14.

(33) Thomas Madiou. Histoire d’Haiti, Tome 1. Port-au-Prince, 1847. p.73.

(34) Note de Pierre Pluchon In : Pamphile de Lacroix. La Révolution de Haïti. Paris. 1995 ; (texte  original 1819). p.157.

(35) François-Alexandre Beau. Op. Cit.
(36) Jean-Baptiste Picquenard. Adonis ou le bon nègre : anecdote coloniale. Paris, 1798. pp.162-164.

(37) M. E. Descourtilz. Voyages d'un naturaliste et ses observations. Tome 3. Paris, 1809. pp.275-276.

(38)Verneuil Gros. Op. Cit. p.14.

(39) David Geggus. "La cérémonie du Bois Caïman", paru dans le collectif "L’insurrection des esclaves de Saint-Domingue (22-23 août 1791)", Paris, 2000. p.161.

(40) Courier du Bas-Rhin, No 6. Du Samedi 21 janvier 1972. pp.44-45.

(41) David Geggus. Op. Cit. p.161.

(42) Le Mercure Universel, vol 1. Mardi 1er mars 1791. p.15. 

(43)  Beaubrun Ardouin. Op. Cit. p.229.

(44) J.Ph. Garran-Coulon. Rapport sur les troubles de Saint-Domingue, fait au nom de la Commission des colonies, des Comités de salut public, de législation et de marine, réunis. Tome 2. Paris, 1797. pp.211-212. 

(45) France, Convention nationale. Op. Cit.

(46) Hérard-Dumesle. Voyage dans le Nord d'Hayti ou révélations des lieux et des monumens historiques. Cayes, 1824. p.300.

(47) Yves Benot. "Les insurgés de 1791..." Op. Cit.

(48) Assemblée nationale législative. Séance merc 30 novembre 1791. In : Les Archives parlementaires. Tome 35 : Du 11 novembre au 10 décembre 1791 "Séance du mercredi 30 novembre 1791". p.460.

(49) François-Alexandre Beau. Op. Cit.

(50) Jean Philippe Garran de Coulon. Op. Cit. pp.211-212. 

(51) Hérard-Dumesle. Op. Cit. p.85.

(52) Our Voices. « Haiti: Bois Chez L'Imam = "Bwa Kay Imam" En Créole »: Poste 9 jen 2009. URL : http://www.prevalhaiti.com/messages/14969  ; Vizite nan jounen 6 avril 2015. 

(53) Nicole Grandin, « Note sur le sacrifice chez les Arabes musulmans », Systèmes de pensée en Afrique noire [anliy], 3 | 1978. URL : http://span.revues.org/371 ; DOI : 10.4000/span. 371. p. 99.
(54) Sheikh Muhammed Salih Al-Munajjid. "How do the first ten days of the Month of Dhul Hijjah differ from other days of the year?" 29 mas 1998. [anliy] URL : https://islamqa.info/en/1699 ; Vizite nan jounen 31 dawou 2017.
(55) 
"Les jours dits de tashriq" 15 octobre 2013. [anliy] URL : https://islamqa.info/fr/36950 ; Vizite nan jounen 31 dawou 2017.
(56) David Geggus. Op. Cit. p.158.

(57) Kate Ramsey. The Spirits and the Law : Vodou and Power in Haiti. Chicago, 2011. p.43.

(58) M. H. Castonnet Des Fosses. L'Ile de Saint-Domingue au XVIIIe siècle, conférence faite le 28 janvier 1884. Nantes, 1884. p.21.

(59) David Geggus. Op. Cit. p.156.

(60) Hérard-Dumesle. Op. Cit. pp.87-89. 

(61) Victor Schoelcher. Colonies étrangères et Haïti. Tome 2. Paris, 1843. p.99.
(62) M. E. Descourtilz. Op. Cit. Tome 3. pp.195-196.

(63) Hérard-Dumesle. Op. Cit. p.88.

(64) Barrière de Vaublanc. Mémoires de M. le comte de Vaublanc. Paris, 1857. p.110.

(65) Saint-Rémy. "Mémoires du général Toussaint-Louverture." Paris, 1853. p.101.

(66) Brissot de Warville, J.-P. (Jacques-Pierre). Discours de J.P. Brissot, député, sur les causes des troubles de Saint-Domingue, prononcé à la séance du premier décembre 1791. Imprimé par ordre de l'Assemblée nationale. pp.8-9.

(67) Bulletin de l'assemblée nationale législative du Samedi 3 Décembre 1791. (Suite de la séance du jeudi 1er décembre.). Réimpression de l'ancien Moniteur. Tome dixième. Paris, 1862. p.518.

(68) Hérard-Dumesle. Op. Cit. p.101.

(69) Jafrikayiti. Viv Bondye Aba Relijyon. Ottawa, 2000. p.46.

(70) Michel Étienne Descourtilz. Voyages d'un naturaliste et ses observations... Tome 3, Paris, 1809. p.vj.

(71) Hérard-Dumesle. Op. Cit. pp.89-90.
(72-75) Déita. La Légende des Loa du Vodou Haïtien. Port-au-Prince, 1993. pp.9, 347, 5, 349.

(76) "Kiskeya, l'île mystérieuse - Déita". Canal Bleu (chaine 38), 15 Novembre 2011. URL : http://ile-en-ile.org/kiskeya-deita/

(77) Reginald Crosley. The Vodou Quantum Leap: Alternative Realities, Power, and Mysticism. St Paul, 2000. p.234.

(78) ‪Center for Black Studies. Claudine Michel, éd. Ancestral rays‬: ‪journey through Haitian history & culture‬. ‪Santa Barbara‬, 2005. p.6.

(79) Jean-Bertrand Aristide. UMOYA WAMAGAMA (THE SPIRIT OF THE WORDS). University of South Africa, November 2006. p.304.

(80) Max Beauvoir. "Slavery, Boukman, and Independence" in: Revolutionary Freedom: A History of Survival, Strength and Imagination in Haiti. Coconut Creek, 2006. pp.201-204. 

(81) Max Beauvoir (interview) In : Jacques Hainard, Philippe Mathez. Le vodou, un art de vivre. Genève, 2007. p.29.

(82) Emmanuel Félix Jr. Understanding Haitian Voodoo. 2009. pp. 26, 79. 

(83) Euvonie Georges Auguste. "Il n’y a pas eu de cochon au Bois-Caiman", Haïti Culture [anliy], Vizite nan jounen 15 me 2011.  URL : https://culture509.wordpress.com/2011/05/15/il-ny-a-pas-eu-de-cochon-au-bois-caiman/

(84) Prophète Joseph. Dictionnaire Haïtien-Français. Montréal, 2003. pp.100, 24.

(85) Milo Rigaud. La tradition voudoo et le voudoo haïtien. Paris, 1953. p.249.
(86) Antoine Dalmas. Histoire de la révolution de Saint-Domingue, Volume 1. Paris. 1814, pp.117-118.

(87) Dictionnaire Cilubà – Français. [anliy] URL : http://www.ciyem.ugent.be/

(88) Nsaku Kimbembe, "Kongo - une spiritualité des connaissances scientiques (2e indaba)" Konferans yo fè Paris, yo mete l anliy 20 mas 2014. Pwen pou koute l (1:27:16-1:29:00)

(89) Milo Rigaud. Op. Cit. p.249.

(90-92) Élie Monnereau. Le parfait indigotier, ou Description de l'indigo. (version originale 1736). 2ème édition, Amsterdam, 1765. pp.110-111, 111, 111-112. 

(93)  M. E. Descourtilz. Op. Cit. Tome 2. p.148.

(94) Robin Law. "La cérémonie du Bois Caïman et le "pacte de sang" dahoméen". In : L'insurrection des esclaves de Saint-Domingue (22-23 août 1791). Actes de la table ronde internationale de Port-au-Pince (8 au 10 décembre 1997). Paris, 2000. pp.131-147.

(95) Rudy Mbembe, Dya-Bô-Benazo-Mbanzulu. Le Leemba ou l'ordre initiatique de Koôngo Dya Leemba. Saint-Denis, 2015. p.25.

(96) Dominique Ngoïe Ngala, premye sitasyon : Jean de Dieu Nsondé. Langues, Culture et Histoire Koongo aux XVIe et XVIIe. Paris, 1995. p.125. Sitasyon Rudy Mbembe, Dya-Bô-Benazo-Mbanzulu. Op. Cit. p.27.

(97) Rev. W. Holman Bentley. Dictionary and grammar of the Kongo language, as spoken at San Salvador, the ancient capital of the old Kongo empire, West Africa. Londres, 1895. p.839.

(98-99) Rudy Mbembe, Dya-Bô-Benazo-Mbanzulu. Op. Cit. p.15.
(100) John Thornton. The Kongolese Saint Anthony: Dona Beatriz Kimpa Vita and the Antonian Movement, 1684-1706. Cambridge, 1998. (2nd Ed, 2009). p.102.

(101) John M. Janzen. Lemba 1650-1930 : A Drum of Affliction in Africa and the New World. New York, 1982. pp.3-4.

(102-104) Rudy Mbembe, Dya-Bô-Benazo-Mbanzulu. Op. Cit. pp.28, 43, 57.

(105) John M. Janzen. Op. Cit. p.32.

(106-107) Rudy Mbembe, Dya-Bô-Benazo-Mbanzulu. Op. Cit. pp.49, 42.
(108) Élie Monnereau. Op. Cit. p.112. 

(109) Beaubrun Ardouin. Op. Cit. p.229.

(110) John M. Janzen.  Op. Cit. Plate 3.

(111-115) Rudy Mbembe, Dya-Bô-Benazo-Mbanzulu. Op. Cit. pp.58, 50, 52, 53, 53-54.

(116) Rev. W. Holman Bentley. Dictionary and grammar of the Kongo language, as spoken at San Salvador, the ancient capital of the old Kongo empire, West Africa. Londres, 1895. p.839. 

(117) Cheikh Anta Diop. Conférence de Niamey (Niger), 1984. URL : https://youtu.be/TzIEn60nGbU?t=2h11m8s

(118-120) Rev. Holman Bentley. Op. Cit. pp. 861, 859-860, 839.
(121) Jacques Crétineau-Joly. Histoire de Louis-Philippe d'Orléans et de l'Orléanisme, Volume 1. Paris, 1862. p.33.
(122) Paul Jacoby. Etudes sur la sélection dans ses rapports avec l'hérédité chez l'homme. Paris, 1881. pp.407-408, 410.
(123) Colonel Malenfant. Des colonies et particulièrement de celle de Saint-Domingue ; mémoire historique. Paris, 1814. p.234.

(124) A.P.M. Laujon. Précis historique de la dernière expédition de Saint-Domingue. Paris, 1805. pp.198-199.

(125) Pierre Pluchon. Vaudou sociers empoisonneurs de Saint-Domingue à Haïti. Paris, 1987. pp.136-139.

(126) Mémoire justificatif de Joseph-Paul-Augustin Cambefort, colonel du régiment du Cap, commun à Anne-Louis Tousard, lieutenant-colonel, à tous les officiers et soldats du même régiment, déportés de Saint-Domingue... Paris, 1793. pp.43-44.

(127) Colonel Malenfant. Op. Cit. pp.234-235.

(128) Angus McBride. The Zulu War. London, 1976. pp.4-3.
(129) Thomas Madiou. Histoire d'Haïti. Tome 2. Port-au-Prince, 1847. p.198.

(130)  M. E. Descourtilz. Op. Cit. Tome 3. pp.359-360.
(131) Proclamation de Jean-Jacques Dessalines du 28 avril 1804. In : Placide Justin, James Barskett (Sir.). Histoire politique et statistique de l'île d'Hayti: Saint-Domingue... Paris, 1826. pp.423-424.

(132) David Geggus. Op. Cit. 167.

(133) Michel Descourtilz. Histoire des désastres de Saint-Domingue. Paris, 1795. p.192.

(134) TKm (Tulu Kia Mpasu) Buakasa. Lire la religion africaine. Ottignies-Louvain-La-Neuve. 1988. p.85.

(135) M. E. Descourtilz. Voyages d’un naturaliste et ses observations, Tome 3, Paris, 1809. p.130.

(136-137) Mazères. De l'utilité des colonies, des causes intérieures de la perte de Saint-Domingue. Paris, 1814. pp.71, 66.

(138) Thomas Madiou. Tome 1. Op. Cit. p.72.
(139) M. E. Descourtilz. Voyages... Op. Cit. Tome 3. pp.254-352.
(140) Jean-Baptiste Picquenard. Adonis ou le bon nègre : anecdote coloniale. Paris, 1798. p.178.

(141) Louis Dubroca. La vie de J.-J. Dessalines, chef des noirs révoltés de Saint-Domingue. Paris, 1804. p.28.
(142) Al gade l nan : "Les différentes parties de l'âme. Le cheval de Platon" In : Christian Godin. Le grand bestiaire de la philosophie. Paris, 2006.

(143) Ian Knight. A companion to the Anglo-Zulu War. South Yorkshire, 2008. p. 168.

(144-145)  M. E. Descourtilz. Voyages... Op. Cit. Tome 3. pp. 208, 209.

(146) Thomas Madiou. Tome 1. Op. Cit. pp.72-73.

(147-148)  M. E. Descourtilz. Voyages... Op. Cit. Tome 3. pp.383-384, 130.
(149) Colonel Malenfant. Op. Cit. p. 235.
(150) Lettre du général Leclerc (CXII) du 9 août 1802. In : Paul Roussier. Lettres du général : commandant en chef de l'armée de Saint-Domingue. Paris, 1837. p.206.
(151) Verneuil Gros. Op. Cit. p.17.

(152) J.-Ph. Garran-Coulon. Rapport sur les troubles de Saint-Domingue, fait au nom des Comités de Salut Public, de Législation et de Marine réunis par, 4 vol. Paris, an V (1796-1797). Tome 2 pp.211-212.

(153) David Geggus. Op. Cit. p.160.

(154) Yves Benot. "Les insurgés de 1791..." Op. Cit.

(155) Récit de la prise du Dondon dans les papiers de la commission Garran-Coulon (D-XXX, 79; D-XXV, 78), sitasyon Yves Benot. "Un épisode décisif de l'insurrection: la prise du Dondon (10 septembre 1791). In : Chemins Critiques, Vol. 2, No 3, Mai 1992. pp.97-111.
(156) Milo Rigaud. Op. Cit. p.354.
(157) Pamphile de Lacroix. Memoires pour servir a l'histoire de la révolution de Saint Domingue. Volume 1. Paris, 1819. p.253.
(158) Antoine Dalmas. Op. Cit. pp.116-117.
(159) Diskou Tousen Louvèti bay moun Sendomeng yo, nan dat 25 dawou 1793. (Arch. Nat. Paris. Pièce du Musée. Vitrine No. 134.) In : H. Pauléus Sannon. Histoire de Toussaint-Louverture. Tome 1. Port-au-Prince, 1920. p.154.
(160) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti. Volume 3. Paris, 1853. pp.159-160.
(161) Abbé Raynal (Guillaune-Thomas-François). Histoire philosophique et politique... dans les deux Indes. Vol. 6. (Livre 11, chapt.24). Genève, 1782. pp.137, 138-139.
(162) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti. Volume 1. Paris, 1853. pp.230-231.
(163) François Blancpain. La colonie française de Saint-Domingue. Paris, 2004. p.202.
 

Sous (tab)

(AM) Antoine Métral. Op. Cit. p.48.

(CAM) Mémoire justificatif de Joseph-Paul-Augustin Cambefort, colonel du régiment du Cap... Paris, 1793. p.43.

(DRM) Donald R. Morris. The Washing of the Spears: A History of the Rise of the Zulu Nation... New York, 1998. p.38.

(HD) Hérard-Dumesle. Op. Cit. pp.87.
(IK) Ian Knight. A Companion to the Anglo-Zulu War. South Yorkshire, 2008. pp.36, 166, 168.


(OL) http://newbabynames.info/name-A-ha-charm-Name-meaning-pronounciation

(MAZ) Mazères. Op. Cit. p.71.

(MD) M.E. Descourtilz. Histoire... Op. Cit. pp.192-193.



Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Boukman pa t chèf revolisyon ayisyen an". 15 novanm 2017 ; modifye 1 dawou 2018. [anliy] https://bwakayiman.blogspot.ca/2017/11/boukman-pa-t-mizilman.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2018