Drapo sakre yo pa mizilman

Home     


   
 

Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 29 mas 2018
(Mizajou : 8 dawou 2020)


1.- Drapo konsakre ayisyèn yo ak revizyonis odasye yo

Se pa de gwo li pa gwo, odas sa mande pou yo deklare ke objè sakre ayisyen yo islamik! Espesyalman apre yo fin wè fanm ak gason ap fratèrnize nan egalite total kapital, nan sèvis Lwa tradisyonèl la.


(Drapo konsakre ayisyen) 
Sous : Maya Deren. Divine horsemen the living gods of Haiti. Kingston, 1983. p.198-199.

Vreman vre, siksè seremoni tradisyonèl ayisyen sa yo, ki souvan bay fatig, (paske pafwa yo ka dire plizyè jou, menm plizyè semèn) depann de kolaborasyon tout patisipan yo, kèlkeswa sèks yo. E kalte entèraksyon de fanm ak gason sa yo pa mache ak separasyon sèks ki enpoze nan islam, yon relijyon ki mizojin (kidonk, ki pa trete fanm byen). 
Nou te, nan atik anvan an, pwouve klèman ke vèvè, desen sakre ayisyen yo, pa te enfliyanse pa islam. Konnye la, nou pral pale de drapo ayisyèn yo, ke menm ti gwoup revizyonis predatè a te deklare kareman ke drapo yo soti nan islam. Agiman santral revizyonis yo, se ke nan lane 900, mizilman yo te ka montre zansèt Ayisyen yo, ki se "Afriken", banyèr yo ak tout kalite siy ki nan yo :
"Other scholars have been quick to point out that the introduction of flags to these various regions of Africa may possibly predate the era of European colonization. Islamic peoples are known to have been active in trade with these regions of Africa as early as 900 C.E., and they possibly could have brought their banners with them. European and Islamic flag usage became Africanized and their traditions intermingled with the variety of cultural beliefs and practices of the peoples of Africa. Once enslaved and forcibly mixed with each other, the Africans blended their traditions together to form the unique culture of Haiti. Just as the Lwa and Saints became syncretized, it can also be said that flags and flag culture were as well. And, just as the peoples of Africa asserted their own power through the use of flags, the people of Haiti developed their own traditions regarding flags." (1)
Tradiksyon :
"Lòt chèchè te byen vit nan fè remake ke entwodiksyon drapo nan plizyè rejyon nan Lafrik sa yo ka te fèt anvan epòk kolonizasyon Ewopeyen an. Yo rekonèt pèp islamik yo kòm etan aktif nan komès ak rejyon sa yo, nan pi bonè, apati de lan 900 C.E. [Anvan Jezikri], epi yo pètèt te ka pote banyèr yo ak yo. Itilizasyon drapo ewopeyen ak islamik te vin tounen Afriken epi tradisyon yo te melanje ak divèsite nan kwayans ak nan pratik kiltirèl pèp Lafrik yo. Yon fwa yo vin esklav epi fòse melanje yonn ak lòt, Afriken yo te melanje tradisyon yo pou fòme kilti inik Ayiti a. Menm jan Lwa ak Sen yo te vin senkretik, yo ka di sa tou pou drapo yo ak kilti drapo yo. E menm jan pèp Afrik yo te pwoklame pwòp pouvwa yo atravè itilizasyon drapo yo, pèp Ayiti a te devlope pwòp tradisyon li konsènan drapo yo."
Kòm nou te deja di li, sipozisyon sa yo soti nan degoutans rasis ki nan kè etranje a otanke Ayisyen oksidantal la. Pou yo, moun nwa (ki nan "Lafrik", nan Lamerik, oswa lòt kote) pa kapab kreye anyen ki gen valè. Konsa, tout sa moun nwa a posede dwe nesesèman soti nan yon sous ekstèn : Arab-mizilman, Amerendyen, Loksidan, Azyatik, elatriye. E, lè pa gen okenn prèv ki sipòte reklamasyon jenosidè yo, yo fè tout kalite simagri pou fè radòt yo a sanble verite. Nou pral, nan atik sila, kontinye avili agiman yo. 


2- Orijin drapo konsakre ayisyen yo ak eritaj Loango a

Me kèk drapo konsakre ayisyèn an aksyon.


(Drapo konsakre ayisyen yo)
Sous : Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. p.1. fig.1.

Banyèr ki sanble ak pa Ayisyen yo te itilize nan lakou Wa Loango (Lowanggo). Desen sila, ki te premye pibliye nan lane 1668 (11 lane anvan zansèt ayisyen yo te ateri nan koloni Sendomeng la), pwouve li :


(Banyèr Wa Loango (Angola-Kongo))
Sous : Olfert Dapper. Description De L'Afrique... Amsterdam, 1686. p.331.*

Desen Olfert Dapper sila, ki date de 1668 la, te reyalize apati de deskripsyon misyonè olandè ki te vizite Loango nan kòmansman lane 1600 yo. Sa vle di ke nan Wayòm Loango, banyèr senbolik yo te egziste anvan vizit misyonè yo.




(Wayòm Loango)
Sous : Olfert Dapper. Description De L'Afrique... Amsterdam, 1686. pp.320-321.

E relijyon ayisyen an, kòm baz li monachis (kidonk venere Wayote), Wa Loango a toujou jwenn venerasyon an Ayiti, sou non Wa Loang oswa Wa Loango (Lowanggo). Paske, te gen kaptif (esklav) ki soti nan Wayòm Loango a nan Sendomeng:


"A Saint-Louis, le 16 de ce mois, est entré à la Geole, un Nègre nouveau, nation Loango, étampé sur le sein droit, autant qu'on a pu le distinguer ERLE, taille d'environ 5 pieds, ne pouvant dire son nom, ni celui de son maître." (2)
Tradiksyon :
"Nan Senlwi, le 16 nan mwa sa, te antre nan prizon an, yon Nèg nouvo, nanchon Loango, li tanpe sou tete dwat, sa nou te rive li ERLE, wotè li anviron 5 pye, li pa kapab yo di non li, ni pa mèt li."
Men, anjeneral, yo te bay kaptif (esklav) Loango yo plizyè non : Colango, Coulango, Coulingo, Coulongue, oswa Soulango. (3) Loango se peyi orijin Lwa Simbi Yanpaka Ponggwe, ak Jean-Pierre Pongwe. Yo soti nan gwoup etnik Mpongwe a (ki nan peyi yo rele Gabon jodiya). E Wayòm Loango a, ki chita sou kòt Atlantik "Afrik" santral la, pa t konnen okenn prezans mizilman :



(Wayòm Loango)
Sous : Carte du Golfe de Guinée - Geographicus - Bonne, 1770.

Epitou, alkòl, ke islam entèdi, yo te bwe sa nan Wayòm Loango a, swa sou fòm diven palmis, swa sou fòm eau-de-vie, kidonk alkòl fò, tafya :


"Les naturels du pays ne préfèrent au vin de palmier que l'eau-de-vie qu'on leur porte d'Europe." (4)
Tradiksyon :
"Sèlman eau-de-vie [tafya] ki soti an Ewòp ke natif natal peyi a pito pase diven palmis."
Kidonk, jan nou te mansyone l la, etandone ke zansèt Ayisyen yo te kòmanse debake nan koloni Sendomeng la nan lane1679 (ki se 11 lane apre desen Dapper a), nou ka di ke moun ki te soti Loango yo te mennen koutim banyèr senbolik la sou zile sa.





(Konba senbolik ak drapo nan Loubou, Sidwès Gabon (ansyen Loango))
Sous : Frank Hagenbucher-Sacripanti. Les fondements spirituels du pouvoir au royaume de Loango : République populaire du Congo. Paris, 1973. p.85. Photo 22.




(Konba senbolik ak drapo nan relijyon ayisyen an)
Sous : "Vaudou Haïtien : Salutations La-place et parade des drapeaux" ; URL : https://www.youtube.com/watch?v=8ejp0BCraeQ

Pa gen okenn dout ke espirityalite Loango a te enfliyanse pati nan relijyon ayisyen an ki gen rapò ak drapo konsakre ansanm ak konba senbolik la. Sepandan, pati sa nan sèvis Lwa a, nou pa ka dekri li kategorikman tankou "Loango" oswa "Kongo". Paske, akòz de nati ibrid (kidonk melanje) tradisyon ayisyen an, kontribisyon Loango oswa "Kongo" yo te ranfòse rit lòt gwoup etnik yo ; espesyalman rit Rada ak Nago a. Se sa nou pral analize.


3- Drapo konsakre yo ak eritaj Dawomeyen an

Nou dwe presize ke drapo konsakre yo pa t soti sèlman nan Wayòm Loango a. Wayòm Dawomen an tou te sèvi ak drapo, jan nou ka wè nan desen sa yo ki date nan 18yèm syèk kretyen an. Drapo sa yo te sèvi nan lagè menm jan yo te sèvi nan relijyon ak nan fèt :




(Wa Agadja Dossou (ke yo venere an Ayiti sou non Kadja Bosou) ka p kondi sòlda l nan lagè)
Sous : Archibald Dalzel. The History of Dahomy : An Inland Kingdom of Africa ; Compiled from Authentic Memoirs. London, 1793. p.54-55.


(Fèt ak bweson nan tonb Wa yo, nan tan Wa Tegbessu Ahade (ki Lwa Achade an Ayiti))
Sous : Archibald Dalzel. The History of Dahomy : An Inland Kingdom of Africa ; Compiled from Authentic Memoirs. London, 1793. p.145-146.

Sepandan, pou yo te montre senbòl espirityèl yo, olye de drapo, Dawomeyen yo te itilize parasòl :


"The high stool and umbrella of the most important reincarnated ancestor." (5)
Tradiksyon :
"Tabourèt wo a ak parapli zansèt reyenkane ki pi enpòtan an."
Epi, Dawomeyen yo te itilize parasòl tou, pou yo montre senbòl wayal yo :


(Senbòl wayal Behenzin, Wa Allada (Alada) oswa Dawomen)
Sous : "Le roi d'Allada (1900)" ; Fonssagrives, Jean Baptiste Joseph Marie Pascal - New York Public Library. 

Epitou, nan anblèm Wa Dawomen an, nou ka sètènman rekonèt senbòl Lwa/Jany ayisyen Èzili Freda Dawomen an :


(Senbòl Èzili Freda Dawomen an Ayiti)
Sous : "Vaudou Haïtien : Salutations La-place et parade des drapeaux" ; URL : https://www.youtube.com/watch?v=8ejp0BCraeQ


4- Drapo konsakre yo ak eritaj Yoruba/Nago a

Sepandan, drapo ayisyèn yo pa t sèlman zafè Dawomeyen ak Loango yo. Olye de sa, yo se rezilta melanj kontribisyon plizyè gwoup etnik ki soti nan "Lafrik" tradisyonèl la". Konsa, epe a (ki nan men Laplas Kay la) konbine ak drapo dekore klere yo (ki kouvri hounsi yo), se yon tradisyon Yoruba (Yowouba) ki soti nan Nijerya, nan Benen, ak lòt kote ki genyen seremoni Egungun (Egoungoun).




(Drapo klere ak epe an Ayiti)
Sous : "Vaudou Haïtien : Salutations La-place et parade des drapeaux" ; URL : https://www.youtube.com/watch?v=8ejp0BCraeQ

Me, nan Nijerya, menm konbinezon epe a ak senbòl klere yo, nan seremoni Egungun. Egungun yo, antanke Lespri sakre gwoup etnik Yoruba a (ke yo rele Nago nan Lamerik), rete nan mitan mond vivan yo ak mond Wa ak gwo zotobre ki mouri yo :


(Rad klere ak epe Egungun nan "Lafrik" de Lwès) 
Sous : Christoph Henning, Klaus E. Müller, Ute Ritz-Müller. Afrique-La magie dans l’âme : rites, charmes et sorcellerie. Könemann, 2000. p.360


(Rad Egungun Yoruba-Nago yo)
Sous : Christoph Henning, Klaus E. Müller, Ute Ritz-Müller. Afrique-La magie dans l’âme : rites, charmes et sorcellerie. Könemann, 2000. p.355.

Trè klèman, stil ak twal drapo konsakre ayisyen yo soti nan rad Egungun yo. Orijin rad sa yo soti nan tradisyon Yoruba a ki asosye l ak : lanmò, rezireksyon, pwezi, "twal, van ak pouvwa". (Trad.) (6) Pou nou sa pi byen konprann aspè sa, nou dwe fè yon rale sou "Rara", ki se yon lòt aspè nan tradisyon Yoruba a ki konsève an Ayiti


4.1- Twal drapo yo ak tradisyon Rara Yoruba/Nago a

Degizman ak prèch Egungun yo, te kite mak yo an Ayiti, patikilyèman nan bann "Rara" yo, ki se gwoup degize ki fè mizik. Gwoup "Rara" ayisyen sa yo blayi chante enpwovize ki soti nan chante powetik ke yo rele "Rárà" lakay Yoruba (Nago) yo :
"Rara : genre poétique de louanges récité sur un mode de cantillation (sorte de chanter-parler) spécifique par des poètes professionnels. Ceux-ci se produisent lors de manifestations importantes cérémonies d'intronisation d'un roi ou d'un chef notamment." (7)
Tradiksyon :
"Rara : yon jan de fè lwanj powetik ke yo resite sou yon mòd kantiyasyon (sòt de chante-pale) ki espesifik a powèt pwofesyonèl yo. Yo fè yo pandan evènman enpòtan, seremoni pou pran pouvwa yon wa oswa yon chèf pa egzanp."
"Rárà", vle di "fè bri" nan lang Yoruba a, (8) epi se menm bagay lakay Afriken-Ameriken yo, ak nan Kreyòl Ayisyen an :
"Utilisé à la fois comme nom et comme adjectif, le terme « rara » désigne plusieurs éléments. Il signifie « vacarme » dans l’expression pa vin fè rara la a (éviter de faire du vacarme dans cet espace), sens proche de son origine africaine." (9)
Tradiksyon :
"Itilize tou kòm yon non ak kòm yon adjektif, tèm "Rara" a refere a plizyè eleman. Li vle di "bri" nan fraz pa vin fè rara la a (evite fè bri nan espas sa a), ki se yon sans ki pwòch de orijin Afriken li."
Plis pase fè bri, lakay Yoruba yo, "Rárà", te chante powetik ki dedye a Wa yo (Oba). Tradisyon Yoruba sa te kontinye an Ayiti, kote li te bay selebrasyon yo rele Rara yo. Me degizman Rara ayisyen yo :


(Degizman Rara an Ayiti)
Sous : Pierre Turgeon, 2011 ; http://www.ipimh.ulaval.ca/fiche-rara-leogane-19.html


(Degizman Rara an Ayiti)
Sous : Elizabeth McAlister. Rara! Vodou, Power. and Performance in Haiti and its Diaspora. Berkeley, 2002.

Konnye a, ann gade rad ki idantik nan Egungun Yoruba (Nago) yo :


 (Rad Egungun Yoruba yo, nan Nijerya)

Sous : Robert Farris Thompson. African Arts in Motion : Icon and Act... London, 1974. p.220.

Konsa, transmisyon an dirèk nan peyi Yoruba a vè Ayiti, kote Egungun yo toujou jwenn venerasyon sou non Gougoun, oswa Ti Gougoun, nan rit Nago a. Rit Nago a soti nan Wayòm Yoruba Oyo a (ke yo te rele Ayo nan koloni Sendomeng (Ayiti) a). (10) Epi Ayisyen yo kenbe l nan memwa nan Nago Oyo, nan relijyon tradisyonèl ayisyen an.
Anplis de sa, nan mitan Yoruba a, rara a se yon fòm de Oriki, sa ki vle di pwezi ki bay lwanj :
"Virtually all Òyó-Yorùbá royal bards perform in a tune peculiar to the Òyó speaking communities, known as rárà. According to Wolff (1962: 45), “rara is a chanted variety of oríkì. The term is used to refer to any kind of eulogy chanted or recited in which various types of personal names, including oríkì, play a prominent part”." (11)
Tradiksyon :
"Pwatikman tout bann mizik wayal Òyó-Yorùbá jwe yon melodi espesifik de kominote ki pale Òyó yo, ke yo rekonèt kòm rarà. Dapre Wolff (1962: 45), "rara se yon vèsyon chante de oríkì. Tèm sila itilize pou pale de nenpòt ki kalite omaj nan fineray, kit li chante kit li resite, ki gen ladan l divès kalite non pèsonèl, sa enkli oríkì, jwe yon wòl enpòtan"."
Otè sila te defini "Oriki" ak mo sa yo :
"Oriki, (cf, ki) appellation personnelle, poème de louange donné à toute entité du monde yorùbà (lignage, ville, plantes, animaux, etc.). Les oriki forment la matière principale de toute la poésie yorùba.
Ki ni oriki omo yin? Àriké ni.
Quel est l'oriki de votre enfant?
C'est Ariké. Ki wôn tô le sode, àwon ode ri fi oriki ki àwon eranko. Avant d'aller à la chasse, les chasseurs saluent les animaux pour leur oriki." (12)
Tradiksyon :
"Oriki (cf, ki) non pèsonèl, powèm louwanjè ke yo bay tout kalte eleman nan mond Yoruba a (lafanmi, vil, plant, bèt, elatriye). Oriki yo se baz tout pwezi Yoruba.
Ki ni oriki omo yin? Àriké ni.
Ki oriki timoun ou?
Se Ariké. Ki wôn tô le sode, àwon ode ri fi oriki ki àwon eranko. Anvan yo ale lachas, chasè yo salye bèt yo pou oriki yo."
"Oriki", pati ki gen pwezi nan tout sa ki egziste a, yo konsève l tou nan mòddevi sakre ayisyen an, nan chante sakre tankou sa yo :

Chante 1 :
Achade Oriki e, peyi a chanje
Achade Oriki sa e, Oriki e, peyi a chanje 

Chante 2 :
Orikiki e, anye o
Orikiki e, anye o, Ogoun Achade

Nan kontèks ayisyen an, "Oriki" oswa "Oriki ki", ki se pwezi sakre Nago a, li asosye ak Achade ki te Wa nan Wayòm Yoruba (Nago) Refurefu a (Lefoulefou oswa Lefulefu, nan lang pèp Fon an), (13) nan peyi yo rele Nijerya jodiya. Sa montre karaktè wayalis rit Yoruba a ke Ayiti eritye. Tradisyon Rara a ak dekorasyon drapo konsakre yo, se jis yon ti kras nan tout sa k genyen.


4.1.1- Orijin degizman an ranyon an ak siyifikasyon Rara a

Ki siyifikasyon fenomèn Rara a ansanm ak degizman an ranyon yo ki akonpaye li?
Dapre tradisyon Yoruba (Nago) a, Rara a kenbe nan 3 mo : "Twal, Van ak Pouvwa". (Trad.) (14)

Twal la
Dapre tradisyon Yoruba a, (15) rad Egungun yo (ki melanje ak chante Rara yo, bay "Rara" ayisyen an) soti nan lanmò Orisha (Oricha, Lwa) yo rele Chango (Changgo) a, (oswa lanmò lòt pèsonaj). Changgo, Orisha Loray la, te mouri, apre yon epidemi ki sanble ak lavaryòl. Epi Oya, ki se Orisha Van an (epi madanm Ogoun) te konsilte yon Divinò ki te konseye l mete 3 twal wouj sou kadav la. Oya te swiv konsèy la, epi apèn li te mete 3 twal yo sou kadav la, tèt li te leve. Changgo te resisite. Epi, ofiyamezi, ke gwo zotobre te vin mouri, yo te ajoute moso rad yo sou pil twal la (ke yo rele Eku (Ekou)). Apre sa, ak pil twal la, yo te fè rad Egungun, ki se pitit gason Changgo ak Oya, ki senbolize yon mò ki resisite.


(Rad Alabebe Egungun, nan Nijerya)
Sous :  https://yorubaperformance.weebly.com/the-image.html

Se poutèt sa, an Ayiti, bann Rara yo opere, apade pou make kèk moman enpòtan nan kouran lane a, sitou pandan semèn sen nan kalandriye katolik la. Peryòd sila ki reprezante lanmò ak rezireksyon Jezi, yo te chwazi li paske li koresponn ak lanmò epi ak rezireksyon Changgo, ki se Orisha oswa Lwa Loray Yoruba (Nago) yo.
(Degizman Rara an Ayiti)
Sous : http://www.galembo.com/rara/index.htm

Anplis de sa, tankou Yoruba yo, dirijan nan Rara ayisyen an, nan pratik yo, rann omaj a moun ki mouri yo :
"Les rituels consistent, d’après Saint-Louis Perpilus, « à rendre hommage aux esprits protecteurs et aux membres décédés de la bande »." (16)
Tradiksyon :
"Baz sèvis yo, dapre Saint Louis Perpilus, "se rann omaj bay lespri pwotektè yo ak manm gwoup la ki te mouri"."
Epi, an akò ak twal wouj yo ke yo te mete sou kadav Changgo a, koulè wouj la dominan nan Rara ayisyen an :
(Sèvis anvan bann Rara a soti, an Ayiti)
Sous : Rituel vodou avant la sortie d'une bande de rara. IPIMH 2008 ; http://www.ipimh.org/fiche-rara-leogane-19.html
 (Mizisyen yon bann Rara ayisyen)
Sous : http://www.lenational.org/quel-rara-aujourdhui/
(Bann Rara L'Oraj, an Ayiti)
Sous : http://www.jacmelrara.org/jacmel-rara/loraj-the-storm-of-cyvadier-2/


Van an
Oya (Okan Imede Oya, an Ayiti), Orisha Van an, te nan mitan rezireksyon Changgo a (Ogou Changgo, an Ayiti), ki se menaj li. Gras a rad rezireksyon l an, ke li vire, Egungun, ki se pitit gason yo, kapab leve Van kosmik la.


Sous : Davide Comelli. https://www.flickr.com/photos/neslab/7592132850/


Sous : Anthony Pappone. https://www.flickr.com/photos/ronnyreportage/7598578504


(Egungun k ap vire rad li, nan Benen)
Sous : https://yorubaperformance.weebly.com/the-image.html

Nan Rara ayisyen an, Majòjon (majors-joncs) yo leve Van kosmik la tou, ak baton (jon) yo, ke yo vire pou elwaye move lespri.


Sous : La bande de rara Tirailleurs © IPIMH 2008 ; http://www.ipimh.org/fiche-rara-leogane-19.html


(Majòjon ka p vire jon yo nan Rara ayisyen an)
Sous : Saincilus Ismael https://www.pinterest.ca/pin/266345765443282524/

Majòjon nan Rara yo jwenn non li de enstriman fanfa a ke li itilize, ke yo rele "canne de tambour major", nan lang franse. Nou jwenn menm baton sa nan tradisyon Egungun an. Li itilize pa yon "Minder", kidonk, yon sipèvizè, ki se yon manm nan Asosyasyon Egungun an, ki sèvi ak li pou anpeche ke gen kontak fizik ak Egungun an.


("Minder" a ki sèvi ak baton nan tradisyon Egungun, nan Benen)
Sous : https://www.mirror.co.uk/news/world-news/gallery/mysterious-living-ghosts-who-walk-10714320

Paske,  kontak fizik yon moun ak yon Egungun ap lakòz lanmò moun nan ansanm ak lanmò moun ki gen rad Egungun an. (17) An Ayiti, kenbe foul moun yo (ansanm ak move enèji) lwen an, se responsablite "Kolonèl" bann Rara a. Sepandan, olye de baton an, ki trouve l nan men Majòjon an, Kolonèl la klake yon fwèt yo rele "Kach".


(Kolonèl Rara yo ak fwèt yo, an Ayiti)
Sous : http://www.galembo.com/rara/index.htm

Pouvwa a
Kanta pou Pouvwa, li soti nan Egungun yo menm ki se Lespri sakre. Li soti tou nan respè ke Egungun yo jwenn nan sosyete nan "Lafrik" de Lwès yo. Paske Egungun yo kenbe moralite sosyal la lè yo pote jijman zansèt ki mouri yo nan lavi vivan yo. An Ayiti, soti yon bann Rara mande Fòs mistik, ki akimile plis bann an ap vanse nan pakou a :
"Suivant la tradition, poursuit-il, « les membres doivent amasser la force spirituelle nécessaire en vue de mener de grands parcours à des heures indues de la nuit », réservées selon la croyance populaire à ceux qui pratiquent des activités mystiques." (18)
Tradiksyon :
"Dapre tradisyon an, li kontinye, "manm yo dwe ranmase fòs espirityèl ki nesesè a pou yo ka fè gwo rout nan lè endi, nan mitan lannwit", ki rezève dapre kwayans popilè a pou sila yo ki pratike aktivite mistik."
Anplis, bann Rara ayisyen yo gen yon nivo pouvwa ki soti nan wòl regle moralite sosyal, ke yo genyen. Yo sèvi ak chante enpwovize, ki rann zotobre yo omaj, ki rekonpanse bon zèv, e ki avili sila yo ki aji mal yo.



5- Drapo konsakre ayisyen yo ak jwèt echèk pèrs yo?

Drapo konsakre ak vèvè yo te, depi kèk tan, atire atansyon revizyonis Loksidan ak Ayisyen yo, ki fou dèyè glwa. Lè yo te apèsi desen damye a nan drapo ak vèvè yo, revizyonis yo pa t ka aksepte ke yo soti nan talan moun nwa. Pou li te ekate relijyon tradisyonèl ayisyen an, LeGrace Benson te jwenn ke "the density and elaboration of the motif", kidonk dansite ak elaborasyon chema kawo ak lozanj yo depase kapasite moun nwa. Se poutèt sa, li te chache orijin senbòl sa yo andeyò de "Lafrik". Epi, kòm li pa t ka fè dappiyan sou chema yo, revizyonis la te eseye retire yo nan men moun nwa, san l pa reyisi.


(Vèvè ak fòm ki sanble damye)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.209.

Piske thèz ki pa kanpe sou anyen LeGrace Benson la te echwe, etidyan an dokora Jon Bullock te repran kòn an. Li te deklare tankou Benson ke zansèt Ayisyen yo te swadizan resevwa chema an fòm damye yo de mizilman Arab yo. Men ke mizilman Arab yo te pran chema a nan jwèt echèk Pèrs yo :
"The use of flags during vodou ceremonies resembles the pre-colonial Muslim practice of using flags to decorate the graves of marabouts, and as Benson suggests, the use of the checkered pattern in numerous vevé and flags of the lwa was most likely brought to Africa via Arab Muslims and their Persian chessboards." (19)
Tradiksyon :
"Itilizasyon drapo pandan seremoni vodou yo sanble ak pratik mizilman prekolonyal la ki sèvi ak drapo pou dekore tonm marabou yo, e kòm Benson sijere, itilizasyon chema kawo ak chif yo nan anpil vevé ak drapo lwa gen plis chans ke yo te rive nan Lafrik ak Mizilman Arab yo ansanm ak planch echèk Pèsik yo."
Jon Bullock, tankou LeGrace Benson, te konnen ke li pa t ka fè agiman li a chita sou prèv. Epitou, nan atik li a ki reklame ke chante "vodou" yo soti nan islam, swadizan "chèchè" a te gen odas avwe, depi nan kòmansman, ke li pa t kapab etabli yon lyen dirèk ant chante mizilman yo ak chante "vodou" yo :
"Despite my inability to draw direct historical lines from West African Islamic practice to Haitian vodou music, especially since Islam possesses no universal body of sacred music, I believe that it is important nonetheless for music scholars to understand the complex origins of vodou beliefs and practices as they helped to create a worldview in which contemporary Haitian vodou music was made possible." (20)
Tradiksyon :
"Malgre enkapasite m pou m trase yon liy istorik dirèk ant pratik islamik Afrik de Lwès ak mizik vodou ayisyen, espesyalman piske islam pa gen okenn kò inivèsèl de mizik sakre, mwen kwè ke li enpòtan sepandan pou entelektyèl nan mizik yo konprann orijin konplèks kwayans vodou yo ak pratik yo paske yo te ede nan kreyasyon yon vizyon mondyal kote mizik Ayisyen modèrn an te ka posib."
Adefo de prèv, Jon Bullock anbake nan rout prefere revizyonis yo, ki se bonmbade atik yo ak zafè ohaza ki te ka sanble bay yon lyen ant islam ak kèk grenn zafè nan kilti ayisyen an.

Devan jan de betiz sa yo, nou dwe mande si entelektyèl malatchong sa yo rann yo kont ke kontinan "afriken" an te konnen yon jwèt ki pwòch de echèk, depi anviron 3500 lane anvan epòk kretyen an, ki se plizyè milenè anvan Lapèrs? Èske yo pa konnen ke Ejipsyen Ansyen yo (Kemit yo) te konn jwe Senèt chak grenn jou?


(Rèn Nefètari k ap jwe Senèt)
Sous : Penti nan kawo Rèn Nefètari (1295-1255 lane anvan epòk kretyen an) ; https://fr.wikipedia.org/wiki/Senet#/media/File:Maler_der_Grabkammer_der_Nefertari_003.jpg

E menm nan mond apre lanmò a, Ejipsyen Ansyen yo te konn jwe Senèt (Sn.t) ki vle di "pasaj, pòt" nan lang yo :

(Deyès Ani k ap jwe Senèt nan mond apre lanmò a)
Sous : Liv Pasaj Ansyen Ejipsyen yo, Chapit 17 ; 1600 lane anvan epòk kretyen an (British Musem) ; http://www.bkgm.com/books/JacobyCrawford/HistoryOfBG/pics/photo-2.jpg


(Pake jwèt Senèt Rèn Hatchèpsout)
Sous : Jwèt Senèt Rèn Hatchèpsout, 1479-1457 lane anvan epòk kretyen an (Mize Louv) ; https://fr.wikipedia.org/wiki/Senet#/media/File:Jeu_de_S%C3%A9net.JPG


(Jwèt  Senèt nan kavo a Wa Amènhotèp 3)
Sous : Jwèt Senèt nan kavo Amènhotèp 3 (Brookly Museum) ; https://fr.wikipedia.org/wiki/Senet#/media/File:P9210016.JPG

Menm jan ak pèp Ejipsyen an, pou pèp Dogon nan peyi Mali a, damye a te asosye anpil ak lanmò. Men, plis pase lanmò, fòm mistik damye a te estriktire egzistans Dogon yo an antye : kit se nan jeneyaloji (lis rejis fanmi) relijye yo, kit se nan achitekti, nan ibanizasyon, nan agrikilti, nan atizana, nan rad yo, elatriye :










 
 
(Fòm damye a nan lavi pèp Dogon an, nan Mali)
Sous : Marcel Griaule. Dieu d'eau: Entretiens avec Ogotemmêli. Paris, 1975.

Menmsi sa, nou pa deklare ke gen yon lyen jeneyalojik oswa relijye ant Dogon yo ak Ayisyen yo. Paske, ni achiv kolonyal yo, ni memwa pèp ayisyen an pa bay referans sou Dogon yo. Sètènman, pèp Dogon an ap viv toupre pèp Bozo a, pèp Peul la (ke yo rele Foula an kreyòl), ansanm ak pèp Bambara a (ke yo rele Banmbara an kreyòl). E pèp sa yo kite mak yo an Ayiti.


(Kat teritwa Dogon)
Sous : Marcel Griaule. Dieu d'eau: Entretiens avec Ogotemmêli. Paris, 1975.  

Konsa, san prèv, nou pa ka di ke damye ayisyen an soti nan eritaj Dogon. Agiman n ap defann isit la, se ke kawo ak lozanj yo te blayi anpil kòm senbòl nan "Lafrik" tradisyonèl.






(Damye lakay pèp Vagla a, nan Gana)
Sous : Christoph Henning, Klaus E. Müller, Ute Ritz-Müller. Afrique-La magie dans l’âme : rites, charmes et sorcellerie. Könemann, 2000. p.379.






(Damye lakay Yoruba/Nago yo, nan Nijerya)
Sous : Robert Farris Thompson. African Arts in Motion : Icon and Act... London, 1974. pp.98-99.
 
Se konsa kawo yo te egziste, san ke islam pa t bezwen antre nan koutim tradisyonalis sa yo. Nan atik anvan an sou vèvè yo, nou te menm prezante anons ki te gen rapò ak kaptif (esklav) ki te soti Kongo (yon zòn ki pa t gen okenn, oswa ki te gen jis yon ti kras kontak ak islam). E Kongo sila te gen kawo kòm mak etni li.

6- Lozanj yo ak pratik majik mizilman?

Me tablo sila (ki pa yon bagay sakre) ke pent tradisyonalis ayisyen Gérard Valcin te penn :


Sous : Gérard Valcin. "Cérémonie dans un temple vaudou", 1963 ; Milwaukee Art Museum ; https://hiveminer.com/Tags/art,haitian

LeGrace Benson te pran enspirasyon sou li pou l te deklare ke twil ki gen fòm mozayik ak lozanj yo, ki nan tablo a, yo pwouve enfliyans pratik majik islamik sou relijyon ayisyen an :
"The Valcin painting and the mandala each exemplify signs used to point to vast, complicated events and to relationships between ordinary humans and transcendent forces observed to work on and through them. In the Haitian example, the checkered pattern is almost certainly more than just a stylish background. It looks like the familiar game board, which is in turn a destiny board: the magic squares of Islamic divination." (21)
Tradiksyon :
"Penti Valcin an ak mandala a, yo chak montre siy ke yo itilize pou montre evenman ki vas, konplike, ansanm ak relasyon ant moun òdinè ak fòs transandantal yo, ke yo remake travay sou yo ak nan yo. Nan egzanp ayisyen an, chema kawo a se prèske sètènman plis pase jis yon bèl dekò. Li sanble ak planch jwèt popilè, ki se anreyalite yon tablo destine: [ki se] kare majik yo nan divinasyon islamik."
Vi ke tablo Valcin an sèlman atistik epi li pa yon bagay ki itilize nan sèvis tradisyonèl la, sa fè ke konparezon Benson an pa kanpe sou anyen. Atis pent la te gen tout libète pou l te mete sa li pi pito sou tablo l la. Anplis, planche ki penn an se yon fantezi, piske pa gen okenn hounfò oswa tanp tradisyonèl ki gen swa planche, swa mi ki dekore konsa. Men, pou nou ba l yon chans, n ap fè sanblan ke travay Valcin an se yon objè konsakre ; tankou yon drapo sakre, pa egzanp. Epi n ap kontinye egzèsis la.

Me "khawatim" an, ki se pratik majik mizilman ki te mansyone a. Yo desinen l ak kawo ansanm ak lozanj :


Sous : Sulaymān ibn Aḥmad. Explication de l'œuvre d'al-Ghazali et de Nuh ibn al-Tahir al-Fulani. Tombouctou, 1800. p.21 ; URL : https://www.wdl.org/fr/item/467/view/1/21/


Sous : http://kisawung.blogspot.ca/2007/12/khawatim-at-taubah.html?m=1


Sous : https://manojdev1.wordpress.com/2015/08/24/protection-totale/

Genyen, vremanvre, yon resanblans ant twil nan penti ayisyen an ak zafè majik mizilman ki prezante a. Sepandan, pa gen anyen ki endike yon relasyon ant 2 zafè sa yo. Anplis de sa : 1- Pratk majik mizilman sila, li enkoni an Ayiti, yon peyi ki poutan gen yon dal pratik majik ladan l ki soti  kay zòt. 2- Epi mo "khawatim" an pa parèt nan okenn fòm (swa dirèk, swa defòme) nan lis mo lang ayisyen an.
Konsa, san okenn nan faktè sa yo, deklarasyon LeGrace Benson an rete sèlman espekilasyon (kidonk, pale anpil mete la). Espesyalman pake gen plis resanblans nan tablo Valcin an ak Ndut (Ndout), ki se yon objè inisyasyon ke tradisyonalis Serèr yo pote sou tèt yo, nan peyi Senegal :


(Ndut, zafè inisyasyon Serèr yo, nan Senegal)
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Pangool#/media/File:Serer_Religious_Ceremony.jpg


Sous : Gérard Valcin. "Cérémonie dans un temple vaudou", 1773 ; Milwaukee Art Museum ; https://hiveminer.com/Tags/art,haitian

Natirèlman, revizyonis islamik yo pa jwenn okenn enterè nan kontribisyon tradisyonalis (kidonk, ki te la anvan islam) nan senbòl ayisyen yo ; kit senbòl sa yo ta sakre oswa profan. Men, pi anba, nou pral wè orijin egzak lozanj ki nan relijyon ayisyen an.


7- Kawo, lozanj ak eritaj Ibo a

Menm jan, LeGrace Benson te pran drapo konsakre yo an referans. E li te montre drapo sila ki reprezante Sen Jak :
(Drapo konsakre ayisyen ki reprezante Sen Jak)
Sous : LeGrace Benson. "Some Breton and Muslim Antecedent of Voudou Drapo". In : Textile Society of America Symposium Proceedings Paper 867. 1996.

Konsa, dapre revizyonis la, byenke yo te jwenn senbòl ki sanble nan banyèr militè franse, tradisyon ayisyen an te sèlman te ka pran senbòl sa yo nan pwoteksyon majik lame mizilman :
"The drapo motifs that show the strongest visual congruencies with Islamic designs are the repeated squares, often diagonally divided, as borders, especially for Sin Jak drapo. (...) Motifs other than the magic squares also appear; for example, exact replicas of Islamic divination symbols appear on drapo for Sin Jak." (22)
Tradiksyon :
"Desen nan drapo yo ki montre pi gwo konfli vizyèl ak chema islamik yo se kare ki repete yo, yo souvan divize an dyagonal, tankou fwontyè, espesyalman pou drapo Sen Jak. (...) Desen ki, apade kare majik yo, parèt tou; pa egzanp, kopi egzak de senbòl divinasyon islamik parèt nan drapo pou Sin Jak [Sen Jak]."
Piske nou blije analize si senbòl sa yo te mizilman ou pa, enben, annou fè l ak serye. Lefèt menm ke yo konsidere fòm yon moun tankou yon bagay sakre, deja ale kont islam ki entèdi sa. Anplis, poukisa senbòl sila ki reprezante yon sen katolik ki te kale anvayisè mizilman, ta va yon prèv ke yon bagay mizilman? Sa pa gen sans.

Anplis de sa, kalite senbòl sa yo, yo jwenn yo anpil nan mitan tradisyonalis "Afriken" yo ; epi yo egziste anvan islam. Nou pa gen okenn bezwen pou nou ekstrapole (kidonk fè je chèch) tankou revizyonis yo, piske nou gen prèv yo. Ann pran egzanp sou Igbo yo ki nan Sidès Nijerya ak Sidwès Kamewoun :


(Pratikan nan yon Kay sakre Ibo oswa Igbo House ki gen senbòl sakre)
Sous : Robert Farris Thompson. African Art in Motion : Icon and Act in the Collection of Katherine Coryton White. Berkeley, 1974. p.186.

Me yonn nan ofisye Ibo (Ibibio) ki chita nan kay Ngbe a, pandan li pote senbòl n ap pale de li a, ki byen mache ak dekorasyon an. Senbòl sa, se yonn nan siy nan ekriti san silab Ibo yo ki rele Nsibidi :
Sous : Robert Farris Thompson. African Art in Motion : Icon and Act in the Collection of Katherine Coryton White. Berkeley, 1974. p.181.

Nou devan siy miltiplikasyon tach Leyopa a, ki se bèt ki reprezante Ekpe yo, sa ki vle di, sekrè sosyete Leyopa yo, lakay pèp Ibo a ; espesyalman lakay sougwoup Ibibio a.


(Manm yon sosyete sekrè Leyopa Ekpe)
Sous : Percy Amaury Talbot. In the Shadow of the Bush. London, 1912. p.42-43.


(Siy Nsibidi Ibo yo nan rad yo rele Ukara (Oukara) a)

(Manm yon sosyete sekrè Leyopa Ekpe ki dekore ak Nsibidi)
Sous : https://www.pinterest.ca/pin/188729040612443671/


(Manm yon sosyete Leyopa Ekpe k ap pentire lozanj sou baton imoro yo)
Sous : Dr. Simon Ottenberg, 1960 ; URL : http://collections.si.edu/search/tag/tagDoc.htm?recordID=siris_arc_275011


(Siy Ibo Nsibidi ki trase atè, fotografye nan lan 1900)
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Odinani#/media/File:Ogbo_Obodo.jpg

Ekriti Nsibidi a enspire siy tradisyonalis anaforuana Kiben yo, ki manm sosyete sekrè Abakuá yo :


(Siy Afro-Kiben anaforuana ki soti nan Nsibidi)
Sous :  http://ukpuru.tumblr.com/post/110636872592/cuban-abakua-and-the-cross-river-abakua-or-abaku%C3%A1

Natirèlman, ekriti Nsibidi a te kontribye (anpati) nan vèvè ayisyen yo :




(Vèvè Lwa Ibo Lele an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.351.

Me lòt vèvè pou Ibo Lele ak Ibo Swaman ki gen lozanj senbolik Ibo yo kòm drapo :
 
(Vèvè Ibo Lele an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.352.
(Vèvè Ibo Swaman an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.354.

Senbòl Ibo Nsibidi sa yo te fèt depi lan 400, nan pi bonè. Kidonk, yo te egziste 500 lane anvan dat lan 900 an, ke revizyonis yo sigjere kòm dat mizilman yo te ka montre "Afriken" yo banyèr ak siy ki gen fòm kawo yo (damye oswa echèk). Otè Robert Farris Thompson te ale nan menm sans ak nou :
"Nsibidi do not derive from Western writing systems. There are no Arabic or Latin letters in the script. It is wholly African. (...) The moral and civilizing impact of nsibidi betrays the ethnocentrism of an ideology that would exclude ideographic forms from consideration in the history of literacy. Educated Western persons continue to assume that black traditional Africa was culturally impoverished because it lacked letters to record its central myths, ideals, and aspirations. Yet the Ejagham and Ejagham-influenced blacks who elaborated a creole offshoot of nsibidi in Cuba have proven otherwise." (23)
Tradiksyon :
"Nsibidi pa soti nan sistèm ekriti Loksidan. Pa gen okenn lèt Arab oswa Laten nan ekriti sa. Li antyèman Afriken (...) Enpak moral ak sivilizasyonèl [kidonk ki rann sivilize] nsibidi a trayi etnosantrism [kidonk kwè ke zafè ras pa w toujou pi bon ke pa zòt] la nan yon ideoloji ki ta eskli fòm ideyografik de konsiderasyon nan istwa alfabetizasyon. Oksidantal ki edike yo kontinye asime ke Lafrik nwa tradisyonalis te pòv nan kilti, paske li te manke ekriti pou anrejistre lejann, ideyal ak aspirasyon santral li yo. Poutan, Ejagham ak nwa ke Ejagham te enfliyanse yo, ki te elabore yon kopi kreyòl de nsibidi nan Kiba te pwouve lekontrè."


8- Eritaj Ibo a an Ayiti

Natirèlman, Ibo yo se yon Nasyon oswa Nanchon nan relijyon ayisyen an. E nan koloni Sendomeng la, yo te konnen sougwoup Ibibio anba plizyè non, ki gen ladan l : Ibo, Bibio, Bibi, Bibis, Ibo-Bibi, Calaba, Calabari, elatriye.


"Un Negre nouveau, nommé Azor, nation Bibio, âgé de 12 à 14 ans, ayant des marques de son pays sur les tempes, de grands yeux, de longues paupieres & grosses levres, appartenant à Mde veuve Yvon, au Cap, est parti maron le 4 de ce mois. Il y aura récompense pour ceux qui le rameneront." (24)
Tradiksyon :
"Yon Nèg nouvo, yo rele Azor, nanchon Bibio, laj li ant 12 ak 14 lane, li gen mak peyi l sou tanp li, li gen gwo je, po je l long, epi po bouch li gwo, ki se kina Madan Vèv Yvon, nan Okap, li te mawon le 4 mwa sa, pral gen yon rekonpans pou sila yo ki va mennen l tounen."
Men, Ibibio yo jwenn adorasyon nan relijyon tradisyonèl ayisyen an sou non Ibo Bibi ; ki reprezante yon gwoup nan Nasyon Sakre Ibo a oswa Nanchon Ibo. 6 lane anvan seremoni revolisyonè Bwa Kayiman, kominike tribinal sila ke Konsèy nan Pòtoprens la te bay le 3 jen 1785, te konsène César (Seza), ki se yon kaptiv (esklav) de nanchon Ibo Bibi ki te touye yon nonm :


"Par ce Procès-verbal il est constaté qu'il a été impossible de trouver une personne qui pût servir d'interprètre à un Nègre de nation Ibo bibi. Ce Nègre, nommé César, accusé de crime capital, a été livré dans les mains de la justice." (25)
Tradiksyon :
"Pa Kominike tribinal sa, li konstate ke li te enposib pou nou jwenn yon moun ki ka aji kòm intèrprèt pou yon Nèg de nasyon Ibo bibi. Nèg sa, yo bay non César a, ke yo akize de krim kapital la, yo te lage l nan men lajistis."
Kidonk, an Ayiti, afilyasyon Ibo-Ibibio a klè e egzak. Kominike lajistis sila montre Ibo yo, ki te gen repitasyon toujou tris ak swisidè nan koloni Sendomeng la, (26) se menm jan tou ke yo te danjere. Anplis, sosyete sekrè Leyopa yo te agresif, e kèk nan Ibo nan Sendomeng yo te manm nan yo.
Konsa, pa gen dout de kontribisyon Ibo yo nan Revolisyon ayisyen an. Epi Ibo yo, ansanm ak sougwoup Ibibio, yo te tradisyonalis menm jan ak siy sakre yo ke yo te konn desinen atè, tankou vèvè ayisyen yo :




(Vèvè : Desen sakre ayisyen ak damye sou kò yon bè)
Sous : Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. fig.15. p.128.

Men, enfliyans Ibo a pa rete sèlman nan vèvè yo. Nou jwenn li nan krich sakre Ibo yo, nan sèvis anyèl "Manje yanm" la** (ki se selebrasyon nan fen mwa novanm de rekòt yanm an). Epi tou, nou jwenn enfliyans la nan referans a Ibo granmoun lakay li :


(Kay Ibo nan Nijerya)
Sous : Percy Amaury Talbot. In the Shadow of the Bush. London, 1912. p.216.

Paske relijyon Ibo tradisyonèl la te gen baz li nan Igbo Houses (Kay Ibo yo), ki se Kay sakre ke yo rele senbolikman "Lakay Ibo", an Ayiti. Souvan se regwoupman Kay sakre (Compound) ke yo rele "Lakou" an Ayiti. Nan sa, soti chante sakre ayisyen an ki pale de kote Ibo rete :


Ibo granmoun o, o granmoun o
Lakay Ibo, Ibo granmoun o

Nan Igboland (Sid Nijerya ak Sidwès Kamewoun), poto santral (Okenze Agwu) Kay sakre sa yo te patikilyèman enpòtan. Li te reprezante yonn nan 4 zafè ki pi sakre yo (Okenze) ke sèlman yon Dibia (yon gran pratikan) ki kanpe nan trè bon kondisyon ak Divinite Agwu a, ap gen otorizasyon sakre pou l enstale l nan kay Lespri li. (27) :


(Poto santral Ibo ak damye sou kò yon bèt, nan Nijerya)
Sous : Percy Amaury Talbot. In the Shadow of the Bush. London, 1912. p.25.




(Poto santral Ibo ki dekore nan baz li, nan Nijerya)
Sous : Zbigniew Dmochowski ; http://www.nairaland.com/1005808/igbo-architecture-ulo-ome-nigbo/4

Me menm poto sakre Ibo a, ke yo rele potomitan nan tradisyon ayisyen an :


(Potomitan/poto santral ki dekore nan baz li, an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. p.240. 

Me yon chema ki montre damye ak potomitan an (ki reprezante pa yon sèk nan mitan) :


Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.209.

Tradisyon Ibo a gen pwòp abitid fè sèk li ak yon pwen santral (potomitan), yo rele l Juju Circle (Sèk Joujou):


(Sèk Juju nan Oban)
Sous : Percy Amaury Talbot. In the Shadow of the Bush. London, 1912. p.10-11.

Sa mennen nou pale de pwen konplemantè sila : ki se wonn alantou potomitan an nan tradisyon ayisyen an.


9- Wonn nan sans envès egiy mont ak relè malonèt yo

Revizyonis yo fè konnen ke wonn tradisyonalis Ayisyen yo fè alantou potomitan an (oswa nenpòt lòt eleman) soti nan islam. Akozde wonn ke pèlren mizilman yo fè alantou kaaba a. Kaaba, yo di, se yon wòch ki ta va tonbe soti nan syèl la (oswa paradi). Li te, dapre rakonta yo, koulè blan paske li te konsidere kòm pi (san tach), epi li ta vin tounen nwa akozde peche Adan an. Nou wè klèman ke yon konsèp anti-nwa konsa pa mache ak relijyon tradisyonèl ayisyen an.
Anplis, mo "kaba" a vle di "mouri, fini, fini ak", nan Kreyòl ayisyen. Li pa refere a yon wòch, jan se ka a nan islam. Ann gade pi pre.

Adefo baze agiman yo sou prèv dirèk, revizyonis islamik yo, tankou avoka jechèch, pran vide yon dal agiman apeprè. Pou yo reyalize travay fè 6 tounen 9 yo a, yo travay pa relè (kidonk, yonn pran relèv lòt). Premye nan yo ki pale de yon sijè, jeneralman, ap kontante l ensinye (kidonk, di anba chal) yon relasyon ant relijyon ayisyen an ak islam, oswa ak pratik Endyen Tayino yo. Epi, jenerasyon "chèchè" revizyonis k ap vini dèyè yo, pral pran relè a :

1) Pifò tan, releyè yo repran kòm yon verite ki pwouve, manti ke premye revizyonis yo te senpman ensinye. Sa, se ka Jon Bullock ki te site tankou yon "fè", kidonk yon verite ki pwouve, yon deklarasyon ke LeGrace Benson pa janm te demontre ak prèv :
"The search for a historical understanding of Islam in Haiti (colonial Saint-Domingue) must naturally begin in West Africa, where Islam was incorporated into local belief systems centuries before the arrival of Christianity. By the time of the Middle Passage, both religions had made an impact on West Africans, enough so that, in the words of LeGrace Benson, “Qur’an and Bible traveled on the ships bound from Africa to St.-Domingue.” The value of this fact lies in its potential to render common ideas about “African tribal religions” as demarcating one end of a religious continuum untenable." (28)
Tradiksyon :
"Rechèch pou yon konpreyansyon istorik de islam an Ayiti (koloni Sendomeng) dwe natirèlman kòmanse an Afrik de Lwès, kote Islam te enkòpore nan sistèm kwayans lokal la syèk anvan Krisyanis te rive. Nan tan esklavaj la, tou de relijyon te gen tan fè yon enpak sou Afriken de Lwès yo, ase pou ke, nan pawòl LeGrace Benson, "Koran an ak Labib te vwayaje sou bato yo ki te nan wout apati de Lafrik pou Sendomeng". Valè fè sila chita nan potansyèl li pou l rann lide òdinè sou "relijyon tribi Afriken yo" tankou delimitasyon yon bout nan yon tradisyon relijye ki pa ka kontinye."
Nan ki liv oswa nan ki pyès achiv ke LeGrace Benson te janm dekouvri referans kote yon kaptif (esklav) te gen sou li yon bib oswa yon koran, nan yon bato esklav? Si sa egziste, ke yo prezante nou li. LeGrace Benson pa t sètènman janmen jwenn li, nan plis pase 25 lane rechèch ki sipozeman syantifik. E mwen gen dout ke Jon Bullock, disip li, ka jwenn kokennchenn referans sila nan 25 lane, menm nan 50 lane, k ap vini an.

2) Nan lòt moman, relè a opere plis anba chal :
a) Yo remake wonn tradisyonalis yo fè alantou potomitan an, ki ale nan sans egiy mont ; e ke li kowenside (matche) ak wonn pèlren mizilman yo fè alantou kaaba a (yon jan de wòch nwa). Sepandan, pa gen okenn lyen reyèl ki konekte pratik ayisyen an ak islam.
an) Premye revizyonis ki apwoche yon pratik ayisyen ap opere ak pridans. Se ka revizyonis Benjamen Hebblethwaite ak Michel Weber ki ensinye yon rapwòchman islam ke yo konnen trè byen pa kanpe sou okenn prèv. Men, yo kamoufle jwèt yo a, lè yo fè konnen ke anpil lòt relijyon fè wonn sa yo tou. Akozke yo tout pran l nan yon fon "Afriken" komen ki responsab resanblans nan pratik relijye yo  :
"Circumambulation in Haitian Vodou : This similarity between Arabian religion, Islam, and Haitian Vodou deserves far more research. Furthermore, additional religious traditions should be included in comparative approaches. Clockwise circumambulation is also important in forms of Hindu ceremonial ritual (personal communication Jaya Reddy). The phenomenon of ritual cycles reflects a fundamental form of human worship and stands as a good candidate as a trace element surviving from deep antiquity. We hypothesize that dance around fires was the origin of this ritual circumambulation. Given the “serial founder effects” of our languages phonologically (Atkinson 2011), analogous serial founder effects should occur in a model of the expansion of religion from Africa. We hypothesize that circumambulation represents a serial founder effect that impacts several world religions. Circumambulation is comparable to a ripple spreading outward from the African core." (29)
Tradiksyon :
"Wonn nan Vodou ayisyen an : Resanblans sila ant relijyon Arab la, Islam, ak Vodou ayisyen merite plis rechèch. Anplis de sa, lòt tradisyon relijye yo ta dwe enkli nan apwòch konparatif yo. Wonn nan sans egiy mont enpòtan tou nan fòm de seremoni Endou (kominikasyon pèsonèl ak Jaya Reddy). Fenomèn ki se sik nan seremoni reflete yon fòm fondamantal nan adorasyon imen epi li se yon bon kandida kòm yon eleman tras ki kenbe yon antikite pwofon vivan. Nou fè ipotèz ke dans alantou dife te soti nan seremoni ak wonn. Akozde "efè fondatè an seri" a ("serial founder effects") ki nan baz fonolojik lang nou (Atkinson 2011), menm "efè fondatè an seri" a dwe rive nan yon modèl de ekspansyon relijyon ki soti nan Lafrik. Nou fè ipotèz ke wonn an reprezante yon èfè fondatè an seri ki gen enpak sou plizyè relijyon nan lemond. Wonn konparab ak yon vag lanmè ki pouse deyò apati de Lafrik ki se sant la."
b) Relè malonèt la pral fèt pa "chèchè" sila, yon sèten Jon Bullock, ki, kòm li konnen ke pèsonn pa pral pèdi tan tcheke sous la, ap site deklarasyon pridan Hebblethwaite ak Weber a tankou yon verite absoli ki pwouve enfliyans islamik nan relijyon ayisyen an :
"Finally, it may be helpful to search for remnants of Islamic thought within the general principles organizing the practice of Haitian vodou music as ritual. According to Hebblethwaite and Weber:
"In Vodou, each salutation to a spirit requires a specific circumambulation ritual, accompanying drumming, songs, and ritual leadership from priests and priestesses who shake the ason (shaker) and form the center of the choreographed worship. Just as practitioners of Arabian religion circumambulated the Kaaba and their home shrines in a counterclockwise motion, in Vodou the worshippers also rotate the potomitan (center post) counterclockwise."" (30)
Tradiksyon :
"Finalman, li ka itil pou chèche tras ki rete de refleksyon islamik anndan prensip jeneral ki òganize pratik mizik vodou ayisyen an kòm seremoni. Dapre Hebblethwaite ak Weber:
"Nan Vodou, chak salitasyon pou yon lespri egzije yon seremoni ak wonn espesifik, ki akonpaye ak bat tanbou, chante, ak lidèchip seremonyèl nan men prèt ak prètrès yo ki souke ason an (kalbas ki souke) e ki fòme sant sèvis koregrafye a. Menm jan pratikan nan relijyon Arab la fè wonn alantou Kaaba a ak tanp yo nan yon mouvman nan sans envès egiy mont, nan Vodou a adoratè yo tou vire alantou potomitan an (pilye santral) nan sans envès egiy mont.""
Natirèlman, Jon Bullock, revizyonis la te koupe sitasyon l de Hebblethwaite ak Weber a kout, pou l pa t prezante mo sa yo ki montre yon dal kote wonn ayisyen an ak pa islam la diferan :
"In the course of the counterclockwise circumambulations that characterize Vodou’s “danced and choreographed worship,” Vodou priests and priestesses also salute “stations” within the Vodou temple in the course of their many circumambulations. These stations of salutation include the greeting of the cardinal directions, the drums and the drummers, the potomitan, the door to the altar room, the audience itself, and finally the greeting of the priest who will lead the following ritual cycle. The greetings are typically hugs, the touching of foreheads, and three back-to-back rotations. Other greetings involve full prostrations and kneeling. Indeed, the macrocosmic circular motion around the potomitan is mirrored in the many microcosmic circular aspects within Vodou ritual, especially greetings between Vodouists.
The circling of a sacred axis mundi is a fundamental dimension of Arabian religion, Islam, and Haitian Vodou—in each case, practitioners circumambulate a central symbol and conduit of spiritual power. In the context of the recent African single-origin hypothesis, it is conceivable that this primal ritual is tens of thousands of years old and reflects a deep religious structure once shared in a prototypical form by common African ancestors."" (31)
Tradiksyon :
"Pandan wonn nan envès egiy mont yo ki karakterize "dans ak sèvis koregrafye" Vodou a, prèt yo ak pretrès Vodou yo salye tou "estasyon yo" nan tanp Vodou a pandan plizyè wonn yo. Salitasyon nan estasyon sa yo gen nan yo salye kat kwen kadino yo, tanbou yo ak tanbourinè yo, potomitan an, pòt chanm lotèl la, piblik la, epi finalman salitasyon bay prèt la ki pral dirije pwochen sik seremoni an. Lòt salitasyon enplike beze long atè ak koupi. Sevrè, mouvman an wonn makrokosmik alantou potomitan an reflete nan anpil zafè sèk mikrokosmik ki genyen nan sèvis Vodou, espesyalman nan salitasyon Vodouyis yo ant yo menm.
Ansèrkleman yon axis mundi (sant kosmik) se yon dimansyon fondamantal nan relijyon arab, nan islam ak nan Vodou Ayisyen— Nan chak ka, pratikan yo fè wonn otou yon senbòl santral ak yon kannal pou pouvwa espirityèl. Nan kontèks nouvo ipotèz orijin afriken inik la, li rèzonab ke pratik pi ansyen sila ki gen plizyè dizèn milye lane, e ki reflete yon estrikti relijye pwofon, yon lè, ansanm Afriken yo te pataje l nan yon fòm prototip.""
Men, malerezman pou bann revizyonis sa yo :
  1. Wonn tradisyonalis Ayisyen yo pa fèt sèlman otou potomitan yo, men li fèt tou otou lòt eleman enpòtan nan sèvis la. E sa pa nan pratik mizilman an.
  2. Gason ak fanm melanje pandan wonn sa yo. Yon eleman ke islam entèdi.
  3. Wonn sa yo abitye gen alkòl nan yo. E islam entèdi sa.
  4. Wonn sa yo pa fèt sèlman nan sans envès egiy mont. Pandan plizyè seremoni, yo menm ale nan lòt direksyon an, kidonk nan sans egiy mont. E sa pa nan islam.
  5. Anpil fwa, wonn sa yo ale nan toulede direksyon, yonn apre lòt. Ankò, sa pa nan islam.
  6. Wonn yo fèt anba son chante sakre ak tanbou. Ki se pa yon bagay ki nan islam.
  7.  Nan selebrasyon tanbou Asòtò a, pratikan yo ka pafwa kenbe yon bagèt pou yo bat tanbou jeyan an senbolikman lè y ap fè wonn an. Sa ankò pa yon pratik ki gen okenn koneksyon ak islam. E li menm kontrè ak islam.
  8. Koulè rad pratikan yo mete pa nesesèman blan. Alòske se rad koulè blan yo mete lè y ap fè wonn nan islam.
  9. Pratikan yo pa nesesèman nan pelerinaj. Alòske mizilman k ap fè wonn yo nan pelerinaj.
  10. elatriye.
Men kèk imaj de yon seremoni tradisyonèl ayisyen ki montre agiman nou yo. Nou ka remake plizyè zafè ki pa islamik, ke nou te pale de yo ; sètadi melanj fanm ak gason, bagèt nan men yo, epi,
  • a) wonn yo fèt nan sans envès egiy mont ;
  • an) lè Sèvitè a k ap voye chante sakre yo bay siyal la, pratikan yo chanje direksyon rapidman ;
  • b) wonn yo vin fèt nan sans egiy mont :

a)
(Wonn nan sans envès egiy mont, nan yon sèvis Lwa ayisyen)

an)


(Chanjman direksyon wonn an rapid, nan yon sèvis Lwa ayisyen)

b)


(Wonn nan sans egiy mont, nan yon sèvis Lwa ayisyen)
Sous : "‪Cérémonie Assotor à Souvenance‬". ; URL : https://www.youtube.com/watch?v=nAruC6k2XEE

Epi chanjman direksyon yo te repete plizyè fwa nan sèvis Lwa sa.


9.1- Wonn yo ak gwoup etnik Moundang la

Se pa islam, men tradisyon Moundang la ki yonn nan sous wonn nan sèvis relijye ayisyen an. Nan koloni franse Sendomeng la, te gen kaptif (esklav) nan gwoup etnik Moundang la ki soti nan Kamewoun ak Tchad. Yo te rele yo Mondongues (Mondong) :


"Cinq Negres nouveaux, dont trois Nègres Mondongues, & deux jeunes Négresses Congo, étampés D.BUTLER, sont marons depuis le 8 de ce mois. Mr. Bocher, Procureur de Mde. de Butler à qui ils appartiennent, prie ceux qui les reconnaîtront de les faire arrêter & de lui en donner avis sur l'Habitation de ladite Dame au Morne-rouge ; il y aura récompense." (32)
Tradiksyon :
"Senk nèg nouvo, twa nan Nèg sa yo Mondong, epi de jèn Nègès Kongo, yo tanpe D.BUTLER, yo mawon depi le 8 nan mwa sa. Mesye Bocher, Pwokirè Madan de Butler ki se pwopriyetè yo, mande sila yo ki va rekonèt yo, pou yo fè arete yo, epi ba li nouvèl nan Bitasyon menm Madanm an nan Mònrouj, epi ap gen yon rekonpans."
Pandan selebrasyon relijye yo, Moundang (oswa Mondongg) yo, pandan y ap danse, fè wonn alantou yon pwen santral, nan sans envès yon mont :


 (Dans ak wonn Moundang)
Sous :  "Fing moundan" ; URL : https://www.youtube.com/watch?v=wdGqYK4U1pw

Men, poutan, Moundang yo sitou tradisyonalis. (33) E yo te sa plis ankò nan epòk esklavaj la. Sou non "Mondong", "Moudong", "Moundong" oswa "Monndong", gwoup etnik Moudang (oswa Moundan) an te tounen Lwa nan relijyon ayisyen an. Fanmi Lwa Mondong la gen plizyè Lwa/Jany ladan l, tankou : Moundong Mousayi Kann Chech o, Mousanmbe, Ti Moundong, Towawa, Mousayi Moundong, elatriye.
Me yon vèvè ki reprezante Lwa Mondong an Ayiti :


(Vèvè Lwa Moundong Masay an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.562.

Konnye la, annou gade foto yon chyen nan peyi Moundang, nan kòmansman 20yèm syèk kretyen an :




(Yon chyen Moundan, Kamewoun)
Sous : Eugène Brussaux, Étienne Muston. Album de la Mission Moll, 1905-1907, Congo, Oubangui-Chari, Tchad, Cameroun. 201 phot. Enregistré en 1924. ; cliché We-260-152.

Menmsi yo pa antyèman idantik, nou ka kanmenm detekte yon liy de resanblans nan fizik 2 chyen yo ; espesyalman nan pozisyon lake a ki anlè. Nan jan vant la mens, nan fòm tèt la ak pat yo. San referans nan liv, epi separe depi plizyè syèk de sous "Afriken" an, tradisyonalis ayisyen yo, te kanmenm kenbe fòm jeneral chen Moundang la.


9.1.1- Pouki chyen an kòm senbòl?

Pou kòmanse, Moundang yo gen yon Bondye Kreyatè ki se yon fi (men ki ka andojin, kidonk fi ak gason anmenmtan). Li rele Masin. Sa ki vle di "Sila ki anwo, nan syèl la". (Trad.) (34) Men, Granmètrès (kidonk Bondye Fi) Kreyatè sila kòm li lwen, (35) Moundang yo, pou bezwen espirityèl yo, sèvi ak Wa yo ki deyifye (Gõn), yo sèvi ak Lespri zansèt yo (Syinri), ak bèt totèm plizyè klan (regwoupman plizyè fanmi) : koulèv, bifl (yon fòm de gwo bèf), zwazo, senj, chyen, krapo, elatriye.
Moundang yo tabli yon dal klan ki pa òganize ofisyèlman. Epi anpil nan klan sa yo idantifye tèt yo, epi bay tèt yo non, selon totèm (kidonk bèt oswa zafè ki mache ak klan) espesifik yo :
  • Ban se (Klan Bifl la)
  • Ban ju (Klan Zwazo yo) 
  • Ban guo ou Bane Soo (Klan Chyen an) 
  • Ban suo (Klan Sèpan an) 
  • Ban su « Klan Fil la » oswa (Klan Fil Kannabis la) 
  • Ban ping ni (Klan Senj la)
  • Ban balé (Klan Lyon an)
  • Ban pin (Klan Pantè a)
  • Elatriye.
Gen rezon espesyal ak diferan pou yo idantifye klan yo ak chak totèm. Pa egzanp, pou bifl la, se fòs li. Kanta pou chyen an, Moundang yo gade feròsite lagè ak raj fann fwa ke yo asosye ak chyen ki gen "bouch wouj" (36) (ak san epi ak raj) yo. Men, idantifikasyon totemik ak chyen anraje a pa sèlman zafè klan chyen an, ke yo rele "Ban Guo" oswa "Bane Soo". Li pwolonje rive jwenn tout Moundang yo ki wè tèt yo kòm pwoteksyon klan yo tankou yon chyen chen asasen k ap atake zòt ki vin pou fè yo esklav.
Konsa, nan Sendomeng/Ayiti, chyen anraje ak pwotektè a te arketip (kidonk senbòl nannan) pèp Moundang la. Epi, lè Lwa Mondong yo pran posesyon kò yon pratikan, yo aji tankou bon jan "chyen anraje" k ap pouswiv viktim li (ki kapab menm lòt chyen). Paske, lakay Moundang yo, nan sèvis relijye yo, oswa nan kote ki fèt pou sa, Lespri yon bèt totèm ka antre nan kò yon moun ki genyen l pou totèm. (37)


9.1.2- Mondong Masay / Mousay ak revizyon islamik la

Mo "Masay" la, nan "Mondong Masay", li viktim tou de revizyon islamik la. Paske, nan relijyon ayisyen an, mo "Masay" la parèt nan plizyè fòm : "Masay", "Mousay" oswa "Mousayi". Revizyonis Bebe Pierre Louis te deklare ke "Mousayi" soti nan Kankan Moussa, ki se non yon Wa Mandeng ki te vin mizilman :
"Lwas like Kongo Mousayi refer to the famous Kango Moussa usually and wrongly referred to as Kankan Moussa, who was Islamic." (38)
Tradiksyon :
"Lwa tankou Kongo Mousayi refere a popilè Kango Moussa a ke yo anjeneral epi malman rele Kankan Moussa, e ki te islamik."
Agiman revizyonis sila pa kanpe sou anyen, pou plizyè rezon :
a) Pi fondamantal nan rezon yo, se ke nan Sendomeng, te gen kaptif (esklav) tradisyonalis tankou Banmbara yo, ki te gen non "Moussa" :


"Moussa dit Simon, Bambara, étampé I.B. & XX au-dessous, âgé d'environ 47 ans, taille d'environ 5 pieds 2 pouces; d'une assez faible constitution, ayant plusieurs marques de son pays au visage, & les dents pointues, marron depuis le 15 ou 20 décembre dernier, appartenant à l'habitation Baujau du Quartier Morin." (39)
Tradiksyon :
"Moussa yo bay lòt non Simon, Banmbara, li tanpe I.B. ak XX anba, apeprè 47 lane, wotè li apeprè 5 pye 2 pous ; li ase fèb nan kò, ak plizyè mak peyi li nan figi li, epi dan l pwente, li mawon depi 15 oswa 20 desanm dènye, li se kina Bitasyon Baujau nan Katye Moren."
b) Nou dwe mande tèt nou, si revizyonis ayisyen Bebe Pierre Louis a menm konnen ke gen, an Ayiti, yon manje tradisyonèl ki rele mousa (moussa)? Mwen pèmèt mwen doute de sa. Anplis, manje yo rele mousa a pa refere a islam, paske nan koloni Sendomeng la, li te yonn nan manje yo te konn bay Koulèv sakre a ; e sa se yon pratik ki klèman kontrè ak islam :


"... me conduisit à leur rassemblement, et je vis adorer, devant un gros mapou creusé par le temps, une couleuvre qui y faisait sa résidence, et à laquelle, dans l'intervalle des prières, on apportait de quoi se nourrir, en viande, poisson, moussa, calalou, et surtout du lait..." (40)
Tradiksyon :
"... mennen m nan rasanbleman yo a, epi mwen te wè yo adore, devan yon gwo pye mapou ke tan fouye yon twou ladan l, yon koulèv ki te fè kay li ladan l, epi, nan mitan lapriyè yo, yo te pote manje, ki te vyann, pwason, moussa [mousa], kalalou, epi lèt espesyalman..."
c) Mo ki se "Masay", "Mousay" oswa "Mousayi"*** refere okontrè a gwoup etnik tradisyonalis Massa a ki rete toupre Moundang yo sou fwontyè Kamewoun ak Tchad la ; sa vle di, nan teritwa ant Sidwès Kamewoun ak Nòdès Tchad :


(Teritwa gwoup etnik Moundang ak Massa yo, ant Tchad ak Kamewoun (an nwa))
Sous : Agence économique des territoires africains sous mandat. Togo Cameroun Paris, 1934. p.86.

Kounye la, me tenb lapòst peyi Tchad nan lane 1972 ki reprezante gwoup etnik Moundang ak Massa :


(Sòlda Moundang)
Sous : https://www.hipstamp.com/listing/chad-278-moundang-warrior-cto-nh/2839343


(Sòlda Massa)
Sous : https://www.hipstamp.com/listing/chad-277-cto-15fr-massa-warrior-1972/16898575

Konsa, sa te nòmal ke yon jan de melanj relijye totalkapital te devlope an Ayiti, ant Mondong yo ak Masa yo, ki te de gwoup etnik tradisyonalis vwazen. Anplis de sa, se ridikil pou yo sijere yon orijin islamik a mo "Masa" a, ak lòt mo ki soti nan li, piske Massa yo, menm jan ak Moundang yo, se vwazen mizilman yo (Baguirmi ak Fulani) ki te mete yo anba kòd. E ki pa t sispann pèsekite yo, san mande rete akozde relijyon yo. (41) E se sèlman nan kòmansman lane 1900 yo, ke gras a entèvansyon militè kolon Ewopeyen yo (Alman ak Franse), ke mizilman yo te sispann fè dappiyan pou pran Massa yo (ak Moundang yo) pou fè yo esklav, chak sezon sèk. (42)
Nou ta dwe note tou ke Massa yo te parèt nan lis Sendomeng yo sou non Gumbai (ki soti nan Gumay) ak Magoua (ki soti nan Magaw) :


"À Jacmel, le 1er de ce mois, Pierrot, Nation Magoua étampé sur le sein gauche MORIN, au-dessous GR GVE, taille de 5 pieds, ayant des marques de son pays sur le visage et sur le corps, se disant appartenir à M. Morin, habitant." (43)
Tradiksyon :
"Nan Jakmèl, nan 1ye mwa sa a, Pierrot, Nanchon Magoua [Magwa], li tanpe MORIN [Moren] sou tete gòch li, anba GR GVE, wotè li 5 pye, li gen mak peyi li nan figi ak sou kò li, li di ke li se pwopriyete Mesye Morin, abitan."
E Massa yo te onore, priye, epi menm fè sakrifis bay Granmèt la, Bondye Kreyatè a, ke yo rele Lwana, ki se "Bondye, papa moun, kreyatè linivè a ak fuliana (foulyana) yo". (Trad.). (44) Fuliana (se pliryèl Fulla (Foula) - ke nou pa dwe konfonn ak gwoup etnik Foula a oswa Peule la). Fuliana yo se, pou Massa yo, Divinite entèmedyè yo ke yo klase kòm "cho" oswa "frèt", dapre nati lagè yo. (45) Sa se yon klasifikasyon ke tradisyonalis ayisyen yo konsève de Zansèt Massa yo. 



10- Fo santòr mizilman an ak eritaj Akan an

Li sanble ke montre prèv, se pa responsablite revizyonis cho LeGrace Benson la. Fi sila, nan yon piblikasyon ki ta sipozeman syantifik, te deklare ke yo te wè, yon kote nan Latibonit, an Ayiti, kèk ti skilti ki fèt ak tè kwit, e ki te gen fòm de sa mizilman yo rele Al Burak la ; ki se, yon jiman (femèl chwal) ak tèt fanm, ke Mawomèt ta va monte nan syèl sou do li :
"Islam as a religion was utterly stamped out of St.-Domingue and Haiti. Its vestiges remain visible but incomprehensible in a few scattered pieces of vèvè, some designs on a few older dwapo, and perhaps, only perhaps, in the centaur-like terracottas of the Artibonite ressembling beautiful Al-Burak who transported Mohammed to the seventh realm of heaven." (46)
Tradiksyon :
"Islam tankou yon relijyon te konplètman efase nan Sendomeng ak Ayiti. Tras li rete vizib, men enkonpreyansib nan kèk moso vèvè gaye, nan kèk desen, nan kèk dwapo ansyen,  e petèt, sèlman petèt, nan ti skilti nan fòm santòr nan Latibonit ki sanble ak bèl Al-Burak la ki te transpòte Mohammed nan setyèm syèl paradi a."
Me Al-Burak y ap pale de li a :

(Pòtre Al-Burak)
Sous : https://commons.wikimedia.org/wiki/File:Al-Buraf_Hafifa.jpg

E menmsi LeGrace Benson te avwe karaktè trè ipotetik (kidonk, ki pa si) de pawòl li a, lè li te bay avètisman ke "petèt, sèlman petèt", sa pa t anpeche li, nan yon atik pita, refere menm reprezantasyon ipotetik li a, tankou yon bagay ki ofisyèlman mizilman. Ak aksyon sila, Benson te demontre mank de onètete li ak mank de rigè entelektyèl li :
"The Asofo regimental flags from the era when Ghana was a British colony show the checkered pattern in a number of interesting deployments (...) One of the Asofo banners in a traveling exhibition depicts al-Burak. In this case the Islamic influence is unmistakable, as this beautiful mare with the face and streaming hair of a woman is the steed who carried Muhammed to the Seventh Heaven in the Night Journey. She will appear in Haiti." (47)
Tradiksyon :
"Asofo, ki se drapo lame nan tan lè Gana te yon koloni britanik, montre chema damye a nan anpil deplwaman ki enteresan (...) Yonn nan banyèr Asofo yo nan yon egzibisyon vwayaje reprezante al-Burak. Nan ka sa, enfliyans islamik la te klè, paske bèl jiman ki gen figi fi epi cheve long la, se limenm ki te charye Muhammad jouk nan Setyèm syèl nan Vwayaj Lannwit li a. Jiman an te vin parèt an Ayiti."
Pou kòmansè, banyèr Asafo (oswa Asofo) yo, ke yo rele "frankaa", pa reprezante Al-Burak, jan Benson sijere a. Asafo yo se divès kalite kò militè (nan Gana) ke Olandè yo te bay grad nan alantou lane 1720. E tradisyonalis Asafo yo te konn itilize foto Lespri tradisyonèl yo, larivyè yo, zwazo yo, ak pwovèb yo. (48) Nan kontak avèk kolon yo (Olandè, epi Britanik), Asafo yo te transfere imaj senbolik yo nan drapo militè ak nan banyèr yo.
"These flags "adorn villages and towns at the time of festivals and funerals… (they were developed by) the warrior groups of the Fante, known as 'Asafo'. As European military organization was adopted, so the identity of an Asafo company was adopted, so the identity of an Asafo company was developed and refined by way of new uniformes, flags and banners." (Peter Adler and Nicholas Barnard. Asafo! African Flags of the Fante. London: Thames and Hudson, 1992, p. 7). The inclusion on this flag of the Union Jack is an example of assimilating prestige from prior British colonial presence." (49)
Tradiksyon :
"Drapo sa yo te "dekore bouk ak vilaj yo nan tan festival ak lantèman... (yo te devlope pa) gwoup sòlda Fante yo, ke yo rekonèt kòm 'Asafo'. Menm jan òganizasyon militè ewopeyen an te adopte, se konsa idantite yon konpayi Asafo te adopte. Idantite yon konpayi Asafo te devlope epi rafine atravè nouvo inifòm, drapo ak banyèr yo." (Trad.) (Peter Adler and Nicholas Barnard. Asafo! African Flags of the Fante. London: Thames and Hudson, 1992, p. 7). Lefètke yo te foure senbòl [britanik] Union Jack la nan drapo yo, se yon egzanp ke yo te chèche pran prestij ke yo te asosye ak ansyen prezans kolonyal britanik la."


Sous : Doran H. Ross. "Flag dancing scene, No. 2 Company", Mankesim, Fante, Ghana, 1979 ; URL : https://africa.uima.uiowa.edu/topic-essays/show/9?start=15


Sous : Doran H. Ross. "Asafo banner", Lowtown, Ghana, 1979 ; URL : https://africa.uima.uiowa.edu/media/photos/show/730?back=topic-essays%2Fshow%2F9%3Fstart%3D17

Drapo ak banyèr militè sa yo, ki pa gen ankenn rapò ak Mawomèt k ap monte nan syèl, montre, olye de sa, Shramantin (Chramantin), yon Divinite tradisyonèl rak bwa sakre yo :


 (Drapo Deyès Shramantin)
Sous :  http://www.kendalljenner.fun/hashtags/AntiqueFlag/

Gwoup etnik Akan an te rete tradisyonalis pandan anpil tan. Se te jouk nan 20yèm syèk kretyen an ke li te chwazi konvèti. Sepandan, li pa t chwazi konvèti nan islam, men pito nan relijyon kretyen an. E konsènan fòm ki gen aparans Al-Burak yo, yo pa jwenn enfliyans nan islam pyès, men nan Loksidan :
"In the discussion of this and two related flags, the following proverb is cited, with the ensuing comments : "'Will you fly or will you vanish?' [Either way you can't escape us.] This image is inspired by the dragons, griffins, cockatrices and wyverns of Europeans heraldry. The Fante say of this  monster, 'it can fly, it can dig in the ground, it can go anywhere'." (Ibid., pp. 74-75)." (50)
Tradiksyon :
"Nan diskisyon sou sa ak de drapo ki gen rapò ak li, pwovèb sila te site, ansanm ak kòmantè sa yo : "'Èske w ap vole ale oswa w ap disparèt?' [Nan toulede fason ou pa ka chape nou.] Imaj sila enspire pa dragon, griffins [grifen], cockatrices [kokatris] ak wyverns [wivèrn] [ki se bèt lejann ki sanble ak dragon] nan senbòl wayal Ewopeyen yo. Fante yo di mons sa, 'li ka vole, li ka fouye nan tè a, li ka ale toupatou'" (Ibid., pp. 74-75)."



Sous : Patricia Harris. "Art, Honour, and Ridicule: Asafo Flags from Southern Ghana" (Royal Ontario Museum) ; URL : https://www.rom.on.ca/en/exhibitions-galleries/exhibitions/art-honour-and-ridicule-asafo-flags-from-southern-ghana


Sous : http://conversationpiecescuag.blogspot.ca/2011/03/exploring-issues-of-authenticity-and.html

Sous : https://www.pinterest.de/pin/334673816039983699/


Sous : http://www.crwflags.com/fotw/flags/gh_asaf1.html


Sous : https://www.sarajo.com/product/fante-asafo-flag-2/


Sous : http://tonyminnion.co.uk/clothofgoldarchive/archive/6/inafrica/images/falarge1.html


Sous : http://www.crwflags.com/fotw/flags/gh_asaf1.html


Sous : https://commons.wikimedia.org/wiki/File:Brooklyn_Museum_2009.39.1_Asafo_Company_Flag_Frankaa.jpg



Sous : https://www.pinterest.ca/jana7400/asafo-flags/


Sous : https://www.pinterest.ca/imodara/fante-asafo-frankaa-flags/

10.1 - Eritaj Akan an Ayiti

Nan koloni franse Sendomeng la, kaptif (esklav) nan gwoup etnik Akan yo, yo te jeneralman rele yo Côte d'Or (Kotdò), Cramenti (Kramanti) oswa Mina.

a) Kotdò
An jeneral, kaptif (esklav) Akan sa yo te soti nan peyi yo rele Gana jodiya, men ki te rele "Côte d'Or" (Kotdò), anvan sa :


"Pompée, de la côte d'Or, étampé V. MIAILLES, taille ordinaire, ayant des marques de son pays sur le visage & une excroissance qui lui pend à l'oreille; parti marron de l'habitation de Mme Ve Miailles, depuis environ trois mois, avec deux Nègres de même nation; ils ont été mis trois fois sur les Affiches, ces deux Nègres ont été arrêtés. Ceux qui auront connaissance dudit Nègre Pompée, sont priés d'en donner avis à Me Miailles, Procureur au Port-au-Prince : il y aura récompense." (51)
Tradiksyon :
"Pompée, soti Kotdò, li tanpe V. MIAILLES, wotè nòmal, ak mak peyi li sou figi li, epi yon pann chè ki pandye nan zòrèy li ; li mawon de Bitasyon Madan Vèv Miailles depi anviron twa mwa, ansanm ak de Nèg nan menm nanchon an; yo te mete anons pou yo twa fwa nan [jounal] les Affiches, yo te arete de Nèg sa yo. Sa ki va gen konesans de Nèg Pompée sila, yo mande yo voye nouvèl bay Mèt Miailles, ki Pwokirè nan Pòtoprens : ap gen yon rekonpans."
b) Kramanti
Nan zile pale Anglè yo, Akan yo (Asante, Ashanti (Achanti), Fanti, Anyi, elatriye), yo popilè nan non Coromantee (Koromanti) ak lòt ki soti ladan l. Non Koromanti sa soti nan "Fort Kormantin" (Fò Kòmantin), ki se yon pò esklavaj nan Gana, ke Angle yo te bati nan lane 1638, e ke Olandè yo te okipe soti nan 1655 rive nan 1868, sou non Fort Amsterdam (Fò Amstèdam).


(Fò Amstèdam-Kòmantin nan peyi ki rele Gana jounen jodiya)
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Fort_Amsterdam,_Ghana#/media/File:Ghana,_Abandze,_Fort_Amsterdam_%28Cormantijn%29,_hoofdingang.jpg

  (Anplasman Fò Amstèdam-Kòmantin nan Gana jounen jodiya)
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Fort_Amsterdam,_Ghana
 
Se sa k fè, nan Sendomeng, kaptif (esklav) nan gwoup etnik Akan an, yo te rele yo Cromanty (Kromanti), Caramanti (Karamanti), Cramanty (Kramanti), Cramenti (Kramanti), Cramaty (Kramanti), Cronuanty (Kronyanti), Croman (Kroman), elatriye :


"Le 8, Mars, nation Cramanty, étampé DAVAU, ne sachant dire le nom ni la demeure de son maître." (52)
Tradiksyon :
"Le 8, [kaptif yo rele] Mars, nanchon Cramanty [Kramanti], li tanpe DAVAU, li pa konnen ni non mèt li, ni kote l rete."

c) Mina
Menm jan an tou, nan Sendomeng, yo te rele kaptif (esklav) Akan yo Mina, Mine, Minant, Minan, Amina oswa Amine ; menmsi yo te soti Gana, Dahomey (Benin) oswa Togo.**** Non "Mina" a, li soti nan Fò Pòtigè Elmina a (kidonk Min nan) ki te fonde nan lane 1481 sou kòt Gana a. Yo te premye batize li Saô Jorge de Mina (Sen-Jòj-nan-Min nan). Li te yon pòs komès kote Pòtigè yo te konn achte lò ke minè Akan yo te soti nan min yo, anvan ke komès esklav la, ki te vin pi rantab, te vin pran pye sou komès lò a. (53) :


(Fò Elmina oswa Fò Sen-Jòj-nan-Min nan, nan Gana jounen jodiya)
Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Elmina#/media/File:Elmina_slave_castle.jpg


(Anplasman vil Elmina nan Gana jounen jodiya)
 Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Elmina


10.1.2 - Eritaj Akan an nan relijyon ayisyen an

Nan relijyon ayisyen an, eritaj Akan an parèt plis nan mo sa yo : Anmin (oswa Anminan), Kwasi, Akann ak Ntowo.

a) Anmin, Anminan ak Anansi
Akan yo ki soti nan peyi Gana (Kotdivwa, Togo ak Benen), yo fòme nanchon sakre Anmin an oswa Anminan, ki gen yon gwo kantite Lwa/Jany ladan l. Anpil nan Lespri sakre sa yo se "Gad", kidonk Pwotektè fanmi oswa pèsonèl. Me yon vèvè Lwa/Jany Anmin oswa Anminan :


 (Vèvè Lwa/Jany Anminan)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.533.

Vèvè Anminan sila reprezante arketip (kidonk, nannan) Nanchon sakre Anmin nan. Li montre "fil annasi" a, ki, nan kreyòl ayisyen, vle di "twal Zarenyen". (54) Chante sakre sila dekri li :


Ti gason nou pral chache fil annasi pou n mare yo...

"Anansi" oswa "Annasi", se yon mo Akan ki vle di "Arenyen" nan lang ayisyen an. (55) Nou jwenn li tou nan chante sakre sila :


Marasa Kay la demen,
Anansi a dogwe.

Yo sèvi Lwa/Jany Manbo Nansi omwen nan sèvis tradisyonèl nan gran Nò Ayiti. Epitou, Larèn Nansi jwenn omaj nan lapriyè sakre yo, omwen nan Nò Ayiti. Nou dwe konnen ke lakay Akan yo, Anansi se non Lespri Kuaku Anansi a (Kwaku Ananse), ki se Zarenyen orijinèl la, ki se pitit gason Nyame, Granmèt la, Bondye Kreyatè a, ke yo bay lòt non Anansi Kokuroku, sa ki vle di, "Gwo Zarenyen.


(Afich pou "Kwaku Ananse", yon fim kout nan lang Akan, ki soti Gana)
Sous : Yaanom Multimedia ; http://www.design233.com/kwaku-ananse-film-wins/

Anplis, se chema nan twal Zarenyen Anansi a ki fòme baz "Kente" (Kennte) a, ki se twal wayal ki reprezante pèp Akan (oswa Ashanti (Achannti)) yo. Paske, dapre Akan yo, se Anansi ki te aprann de frè metye tisay ak kolorye twal Kente a. (56) :


(Kente, twal wayal tradisyonèl Akan yo)
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Kente_cloth#/media/File:KenteCloth.jpg

Toupatou, nan Amerik la, kote te gen Akan yo, yo vini ak yon vèsyon nan "Ananse" ki rete vivan sou anpil non, nan kont tradisyonèl yo :
  • Anansi (Gayana)
  • Anansi, Hanansi, Nansi (Jamayik)
  • Mr Nancy, Miss Nancy, Aunt Nancy, Ann Nancy, (Etazini : Kawolin di Nò ak di Sid)
  • Nansi, Kuent'i Nanzi (Kiraso), Kompa Nanzi (Kiraso, Awouba, Bonèr)
  • Ananse Tori (Sirinam)
  • Nanacy, Nancy, Brer Nancy, Brother Nancy (Kanada : Nouvèl Ekòs)
  • Ahnancy (Sen Maten)
  • Banansi, Nansi, Boy Nasty, Gulumhanansi (Bahamas)
  • Compè Czien (Lagrenad)
  • Compère Araignée (Matinik)
  • Ti Malis (Ayiti, men yon jan pi piti, paske li melanje ak pèsonaj kont Senegalè ki rele Leuk la) 
  • Sister Nancy, Mr. Spider, Sis Nancy, Nansi Buy Nansi, Compè Anansi, elatriye. (Lòt kote Amerik la).
Paske, dapre istwa Akan (oswa Ashanti) yo, Anansi, Lwa-Zarenyen an, li te resevwa konesans kont yo nan men Nyame Papa li, ki se Granmèt ki nan syèl la ; sèlman apre li te fin itilize trik li ak twal Zarenyen li pou li te trape Osebo, pantè a, Onini, piton an, ak Mmoboro, gèp panyòl la.


(Anansi k ap trape ak twal li a)
Sous : https://pckvtes.wordpress.com/2013/02/28/anansi-captures-osebo-in-a-pitfall-trap/ 

Kidonk, eritaj Akan nan Amerik la kenbe Anansi vivan nan kont yo nan plizyè peyi atravè mond la. Anansi dominan nan liv pou timoun :


 (Anansi nan liv pou timoun nan Amerik)
Sous : http://anansistories.com/How_Anansi_Came_book.html

E menm nan fim animasyon ak nan woman : 


(Anansi nan woman nan Amerik)
Sous :  https://www.amazon.com/Anansi-Boys-Novel-Neil-Gaiman/dp/006051518X

b) Kwasi
Nan Lwa Nanchon Anminan yo, genyen Anminan Sansan Kwasi Kosi Djoni. Kwasi (oswa Akwasi) se yon non Akan yo bay ti gason ki fèt yon jou dimanch. Me yon anons mawonaj ki pale de yon kòmandan bitasyon Nanchon Mina, ke yo rele Coissi (Kwasi) :


"Un Negre, nommé Coissi, nation Mina, Maçon de son métier, n'ayant pour toute étampe que DD entrelacés, sur la poitrine, âgé d'environ 38 à 40 ans, & ayant les joues creuses, une partie des deux machoires sans dents, & de l'autre jaunes & décharnées, les jambes ou genoux cambrés & les pieds en dedans : ledit Negre Commandeur de l'Habitation de M. de St Romes, près le Port-au-Prince, est maron depuis le 14 novembre dernier. Ceux qui le reconnoîtront, sont priés de le faire arrêter, & d'en donner avis audit Sieur de St-Romes, sur son Habitation, audit lieu : il y aura récompense." (57)
Tradiksyon :
"Yon Nèg, yo rele Coissi, nanchon Mina, metye l Mason, li pa gen okenn lòt etanp ke DD ki mele ansanm, sou lestomak li, li gen anviron 38 a 40 lane, epi li gen machwè fon, yon pati nan de machwa li san dan, epi lòt la jòn ak fobo, janm oswa jenou li kanbre, epi pye li antre anndan : Nèg sila se kòmandan nan Bitasyon Mesye de St Romes, toupre Pòtoprens, li te mawon depi 14 novanm dènye. Sila yo ki va rekonèt li, yo mande yo fè yo arete l, epi voye nouvèl la bay Mesye de St Romes, nan Bitasyon l, kote nou te di a : ap gen yon rekonpans."
Nou dwe remake ke konsa tou, gen Lwa Nèg Kwasi Miyan Manyan Dogwe nan Fanmi Lwa Azaka yo ; e ke "Kwasi" (Kouassi, Couassi) se yon non d fanmi an Ayiti.

c) Akann
Nan relijyon ayisyen an, non "Akan" an konsève sou fòm "Akann Nago", ki endike yon sòt de melanj espirityèl ak gwoup etnik Nago (oswa Yoruba) :


Akann Nago, Lwa mwen, yo pale nou mal o, Ogoun o...

Yo konsève Akan tou nan non Lwa Ntowo Akanvi Ewa. "Akanvi" se yon konbinezon 2 orijin : "Akan" (ki se non gwoup etnik la), ak "Vi" ki vle di "Pitit (yo)" nan fongbe ki se lang Dawomen yo. Konsa, "Akanvi" vle di "Pitit Akan (yo)", menm jan ak "Gedevi" (ki se non yon pèp nan Dawomen) ki vle di "Pitit Gede".

d) Ntowo
Anplis de sa, nan Ntowo Akanvi Ewa, mo "Ntowo" a pa la owaza. Okontrè, nan estrikti mistik Akan yo, Ntoro (Ntowo) endike karaktè ke yon timoun pran bò kote papa li. Se konsa, se timoun Akan an fèt ak Ntowo li ki se youn nan 12 karakteristik sa yo :
  1. Bosompra : Rèd la
  2. Bosomtwi : Sansib la
  3. Bosommuru : Distenge a
  4. Bosom-Nketea oswa Bosompo : Odasye a
  5. Bosom-Dwerebe : Fè wè a
  6. Bosom-Akom : Fè wè a
  7. Bosomafi : Koyo a
  8. Bosomayesu : Konbatif la
  9. Bosom-Konsi : Atis ak talan an
  10. Bosomsika : Analizè a
  11. Bosomafram : Toleran an
  12. Bosomkrete : Romantik la.
Kòm yo te resevwa karaktè Ntoro yo de papa yo, Akan yo (papa ak pitit) regroupe dapre tip Ntoro yo, nan asosyasyon espirityèl. Epi chak nan asosyasyon Ntoro sa yo gen pwòp entèdi yo, pwòp jou seremoni yo, pwòp tinon yo, pwòp salitasyon yo, elatriye. (58)
E nan Sendomeng, kaptif (esklav) Akan yo te kontinye asosye adorasyon Lwa yo (Abossom) nan estrikti Ntoro a. Nan asosyasyon sa, Nanchon sakre Ntowo a te fèt. Epi li gen ladan l anpil Lwa/Jany tankou : Ntowo, Nèg Ntowo, Ntowo Akanvi Ewa, Ntowo Twa Grenn, Ezili Ntowo, Figaro Ntowo, Ntowo Belekoun, elatriye.
Men, malgre eritaj patènèl Ntoro a, lè n ap pale de konsèp Zansèt sakre, de fanmi, ak de obligasyon fè sakrifis mistik pou fanmi, Akan yo te gade bò manman yo. Epi yo refere yo a kote matènèl la ke yo rele Mogya. (59) Obligasyon mistik familyal la konsève an Ayiti. Men, li vo pou bò manman menm jan ak bò papa.


10.3 - Eritaj Akan an ak enfliyans kiltirèl ayisyen

Nan nivo kiltirèl, 2 mo Akan : Kuaku ak Anansi kontribye nan fè kilti ayisyen blayi nan lemond antye. Ayisyen yo abitye anpil ak "Kuaku" (Kwakou) ki se yon non Akan yo bay ti gason ki fèt nan mèkredi. Paske Coicou (Kwakou) se yon non fanmi ki popilè an Ayiti. Se non Jean-Baptiste Massillon Coicou (1867-1908), ki se yon kokennchenn powèt ak diplomat ayisyen.


(Jean-Baptiste Massillon Coicou, powèt ayisyen)
Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Massillon_Coicou#/mediapoête/File:Massillon_Coicou.jpg

Mo "Anansi" a vin bay non ti fi an Ayiti. Yonn nan yo se "Anasilya" ki se tit 2 chante ak 1 albòm ke 2 mèt twoubadou ayisyen te soti : Ti Paris (1970), Althieri Dorival (1978) :


  ("Anasilya", Ti Paris, 1970)


 ("Anasilya", Althieri Dorival & L'Ensemble Le Progrès, 1978)

Anansi Lwa Zarenyen Akan an, ki kenbe Konesans la, li se yon "blofè" tou. Aspè sila fè yo kole l, nan Sendomeng/Ayiti, ak Gede yo, ki se Lwa Dawomen lanmò ki maton nan fè moun ri. Konsa, melanj pafè sila ant Lwa Gede (ki se Divinite prensipal peyi Gedevi nan Benen an) ak Kuaku Anansi (Zarenyen sakre Akan yo nan peyi Gana) te bay Gede Zarenyen, yon Lwa ke yo chante glwa li nan lemond antye depi plizyè deseni.
Celia Cruz, vedèt Kiben an, nan kolaborasyon li ak chantez vedèt ayisyen Martha Jean-Claude, te anrejistre chante tradisyonèl ayisyen an ki se "Guede Zaina", nan lane 1952 :


 ("Guede Zaiña" Celia Cruz con la Sonora Matancera, 1952)

Pami anpil lòt, te gen Johnny El Bravo, yon chantè Pòtoriken, ki te repran chante sa nan lane 1972. Epi chantè Ayisyen yo rele Simbi te fè menm bagay la nan lane 1992 :


("Gede Zarenyen", Simbi, 1992)

Apre sa, te gen Kike Harvey (1993), Alquimia La Sonora Del XXI (2003), Oscar De Leon (2006), Haitiando (2010),  elatriye :


("Gede Zariyen", Haitiando, 2010)

Konsa, nou bay prèv ke eritaj Akan an Ayiti a, li te tradisyonalis. Pa t gen okenn kote islam te pase pou li te ka antre lakay Akan yo, nan peryòd anvan esklavaj la, pou enfliyans li ta va oryante drapo konsakre ayisyen yo.


10.4 - Ti skilti nan fòm santòr yo an Ayiti

Si ti skilti ayisyen yo te si enpòtan, poukisa "syantis" la pa t pran foto yo? Poukisa li pa t kesyonnen mèt yo sou orijin yo? E ki ras tèt fi a ki te reprezante a? Èske ti skilti yo te ansyen bagay ki gen arevwa ak relijyon, oswa èske se zafè modèrn ki soti nan imajinasyon atis la? Sa fè yon dal kesyon ke LeGrace Benson bèbè sou yo.
Men, sa ke yo pa ka nye a, se ke nan zafè kilti, Ayiti pa pi izole de Loksidan ke yo ta renmen kwè. Depi li toupiti, ti elèv ayisyen an ap benyen nan sa ki pi enpòtan pou Loksidan. Epi li aprann Franse, Panyòl, Laten, e menm Grèk. Ak aprantisaj sa, li toujou gen lejann klasik ewopeyen yo anba je l. E santòr yo te la tou.
Me poukisa nou pa sezi kwaze an Ayiti ak atizana ki gen fòm santòr, tankou sila yo ke atis la idantifye pou sa l ye a :


Sous : Jean Rony "Art métal Centaur, Haïti féminin moitié cheval demi femme" ; URL : https://www.haitimetalwallart.com/listing/470887537/female-centaur-haiti-metal-art-half ;


Sous : Jean Rony "Centaure femelle, moitié femme Haïti métal Art moitié cheval" ; URL : https://www.haitimetalwallart.com/listing/493934614/centaure-femelle-moitie-femme-haiti

Oswa, nou jwenn atizana ki gen lòt fòm oksidantal ansyen ; e ke atis la, yon lòt fwa ankò, idantifye pou sa l ye a :


Sous : Jean Rony "Royaume de Triton sur un bateau à la mer, recycler murale en métal art " ; URL : https://www.haitimetalwallart.com/listing/539758504/royaume-de-triton-sur-un-bateau-a-la-mer 

Sous : Jean Rony "Maty, Triton, protecteur des marins hommes" ; URL : https://www.haitimetalwallart.com/listing/470886047/maty-triton-protecteur-des-marins-hommes


Konsa, agiman revizyonis yo, kòm yo te baze sou espekilasyon timoun piti, yo te pèmèt nou tabli fasilman ke drapo konsakre ayisyen yo pa soti nan islam, men nan relijyon tradisyonèl la. Epitou, nou te montre richès eritaj zantray ayisyen an ki te fèt nan boukante, nan tèt kole, ak nan tolerans tout kalite gwoup etnik ke yo te mennen anba kòd nan plaj Sendomeng yo. Eritaj sila sèvi kòm yon baryè kont nenpòt ki depaman k ap eseye fofile nan istwa Ayiti, pou li chache fè dappiyan sou sa Lwa yo, nan jenerozite yo, te ofri Ayisyen an : Revolisyon Ayisyen an.



* Li te premye mansyone pa Patrick Polk. "Sacred Banners and the Divine Cavalry Charge". In : Sacred Arts of Haitian Vodou. Los Angeles, 1995.
** Manje yanm se pa sèlman zafè Ibo yo. Nan peyi yo, Dawomeyen yo, ak lòt pèp, te konn selebre premye rekòt yanm. (60)
*** Pèp Masa sa gen plizyè non : Massa, Masa, Massas, Masana, Banana, Bonana, Yagoua, Magaw, Walia, Walai (Walay), Gumay, elatriye. Nan kontèks sa, mo "Masay", "Mousay", oswa "Mousayi" yo, ki nan lis mo nan relijyon ayisyen an, yo valab tou. Epitou, nou pa dwe konfonn mo ayisyen "Masay" la ki refere a pèp "Massa" nan Kamewoun ak Chad la, ak pèp "Massai" (Masay) la ki rete nan Sid Kenya ak nan Nò Tanzani.
**** Gana, se pa sèl kote kaptif (esklav) Mina yo te soti. Paske, yon pati nan yo ale nan peyi Togo (ak nan Benen) nan 17yèm syèk kretyen (kidonk, anvan esklavaj franse a te kòmanse pran enpòtans). Nan Togo, Mina yo te melanje ak pèp Guen an pou yo fòme gwoup etnik yo rele Guen-Mina a, (61) ki vin bay Amine nan Sendomeng, ak Anmin oswa Anminan nan relijyon ayisyen an.  


Referans
(1) Argument de LeGrace Benson reprise par Anne M. Platoff. "Drapo Vodou - Sacred Standards of Haitian Vodou" In : Flag Research Quarterly, 2(3-4). August 2015.
(2) Les Affiches Américaines du samedi 27 mars 1784. Parution No.13. p.209. 
(3) Wè Les Affiches Américaines du mercredi 1 août 1770. Parution No.32, p.324.
(4) Liévin-Bonaventure Proyart. Histoire de Loango, Kakongo, et autres royaumes d'Afrique. Paris, 1776. p.22.
(5) Melville Jean Herskovits. Dahomey, an ancient West African Kingdom. New York, 1938. p.224-225. fig.33.
(6) Robert Farris Thompson. African Art in Motion : Icon and Act in the Collection of Katherine Coryton White. Berkeley, 1974. p.219.
(7) Michka Sachnine, Akin Akinyemi. Dictionnaire yorùbá-français : suivi d'un index français-yorùbá.  Paris, 1997. p.241.
(8) Samuel Adjai Crowther. Vocabulary of the Yoruba Language. Londres, 1852. p.221.
(9) Joseph Ronald Dautruche. "Le Rara de Léogâne : entre fête traditionnelle liée au vodou et patrimoine ouvert au tourisme". In : Ethnologies, vol. 33, n° 2, 2011, p. 123-144.
(10) Wè Les Affiches Américaines du mardi 1 juillet 1777. Parution No.27, p.420.
(11) Akintunde Akinyemi."The Yorùbá Royal Bards : Their Work and Relevance in the Society". in: Nordic Journal of African Studies 10(1): 90-106 (2001)
(12) Michka Sachnine,Akin Akinyemi. Dictionnaire yorùbá-français: suivi d'un index français-yorùbá.  Paris, 1997. p.211.
(13) Édouard Dunglas. "‪Contribution à l'histoire du Moyen-Dahomey : (Royaumes d'Abomey, de Kétou et de Ouidah)‬". In : Études dahoméenes. Volumes 17-20. Dakar, 1956. p.77.
(14) Robert Farris Thompson. African Art in Motion... Op. Cit. p.220.
(15) Ibid. pp.220-221.
(16) Joseph Ronald Dautruche. "Le rara de Léogâne". [en ligne] URL : http://www.ipimh.ulaval.ca/fiche-rara-leogane-19.html
(17) Becky Parkinson. "Mysterious 'living ghosts' who walk around with bodyguards because villagers fear they will die after touching them." Mirror du 30 juin 2017. [en ligne] ; URL : https://www.mirror.co.uk/news/world-news/gallery/mysterious-living-ghosts-who-walk-10714320
(18) Joseph Ronald Dautruche. "Le rara de Léogâne". [en ligne] Op. Cit.
(19) Jon Bullock. A salaam alay : Remnants of West African Islam in Haitian Vodou. [ University of Chicago]
(20) Ibid.
(21) LeGrace Benson, “Observations on Islamic Motifs in Haitian Religious Art,” Journal of Caribbean Studies, (1 and 2) (Winter/Spring 1993). Cité dans LeGrace Benson. "How Houngans Use the Light from Distant Stars." In : Vodou in Haitian Life and Culture. New York, 2006. pp.155-179.
(22) LeGrace Benson. "Some Breton and Muslim Antecedents of Voudou Drapo". in: Textile Society of America Symposium Proceedings. Paper 867. 1996.
(23) Robert Farris Thompson. Flash of the Spirit : African & Afro-American Art & Philosophy. New York, 1984. p.228.
(24) Les Affiches Américaines du mercredi 14 mai 1783. Parution No 20, p.262.
(25) Gouvernement de France. "Arrêt du Conseil du Port-au-Prince, touchant un Nègre Africain accusé, qui n'entend pas le Français, et pour lequel il ne se trouve pas d'Interprête. Du 3 Juin 1785". In : Moreau de St-Méry. Loix et constitutions des colonies françoises de l'Amérique sous le Vent. T. 6. pp.760-761.
(26) Moreau de Saint Mery. Description topographique, physique, civile, politique et historique de la partie française de l'isle de Saint-Domingue. Tome 1. Philadelphie, 1797. p.31.
(27) Jude C. U. Aguwa. ‪The Agwu deity in Igbo religion‬: ‪a study of the patron spirit divination and medicine in an African society‬. Unugu, 1995. p.109.
(28) Jon Bullock. Op. cit.
(29) Benjamin Hebblethwaite and Michel Weber. “Arabian Religion, Islam, and Haitian Vodou: The ‘Recent African Single-Origin Hypothesis’ and the Comparison of World Religions.” In Vodou in the Haitian Experience : A Black Atlantic Perspective. Lanham, 2006. pp.209-237.
(30) Jon Bullock. Op. Cit.
(31) Benjamin Hebblethwaite and Michel Weber. Op. Cit.
(32) Les Affiches américaines du mercredi 18 juin 1766. Parution No.25. p.223. 
(33) La Dépêche coloniale illustrée du 31 mars 1913. Paris, 1913, pp.89-90.
(34) Maud Gauquelin. De la royauté sacrée à la pluralité religieuse chez les Moundang, du Tchad au Nigeria : Stratégies locales, connexions transnationales. Anthropologie sociale et ethnologie. Paris, 2014. pp.118-119.
(35) Alfred Adler. La mort est le masque du roi : la royauté sacrée des Moundang du Tchad. Paris, 1982. p.13.
(36) Alfred Adler. "Le totémisme en Afrique noire, Systèmes de pensée en Afrique noire". In : Totémisme. Vol. 15. 1998. [En ligne], mis en ligne le 28 mai 2014, consulté le 24 février 2017.
(37) Maud Gauquelin. Op. Cit. p.231.
(38) Bebe Pierre Louis. Réponse sur le blog historique de Bob Corbett. 12 mars 2001."Islamic Influences on Haitian Voodoo". URL : http://www2.webster.edu/~corbetre/haiti/voodoo/islam.htm ; Consulté le 28 avril 2015.
(39) Les Affiches américaines du mercredi 2 février 1785. Parution No.5. p.5658. 
(40) Michel Pierre Descourtiilz. Voyages d'un naturaliste, et ses observations... Tome 3. Paris, 1809. p.210.
(41) Françoise Dumas-Champion. Les Masa Du Tchad: Bétail Et Société. Paris, 1983. pp.13-14.
(42) Ibid. pp.16-17.
(43) Les Affiches Américaines (Supplément) du mardi 10 novembre 1778. Parution No.44. p.0. 
(44) Françoise Dumas-Champion. Op. Cit. pp.212, 214.
(45) Ibid. p.214.
(46) LeGrace Benson. "Qismat of the Names of Allah in Haitian Vodou". In : Journal of Haitian Studies, Vol 8 No. 2, 2002. pp.160-164.
(47) LeGrace Benson. "How Houngans Use the Light from Distant Stars." In: Vodou in Haitian Life and Culture. New York, 2006. pp.155-179.
(48) Doran Ross. "Military Arts of the Fante" [en ligne] ; URL : https://africa.uima.uiowa.edu/topic-essays/show/9 ; Consulté le 24 décembre 2017.
(49) Courtney E. Kennedy, Mary Brinker. Important African & Oceanic Art Auction:   Heritage Auction Galleries Auction No. 645 June 7, 2007. Dallas. p.58.
(50) Ibid.
(51) Les Affiches Américaines du samedi 20 juin 1789. Parution no.50. p.0.
(52) Les Affiches américaines du mardi 13 juin 1780. Parution no.24. p.191.
(53) Wè Bernard Nantet. Dictionnaire d'Histoire et Civilisations africaines. Paris, 1999. pp.14, 74-93.
(54) Jeannot Hilaire. ‪Foure'antre non kreyòl dayiti‬. ‪Fribourg, 1992. p.199.
(55) Ibid.
(56) Robert Z Cohen. Discovering the Asante Kingdom. New York, 2014. p.26.
(57) Les Affiches Américaines du mercredi 16 janvier 1771. Parution No.3. p.24.
(58) K. A. Busia. (Kofi Abrefa Busia) "The Ashanti of the Gold Coast". In : African Worlds: Studies in the Cosmological Ideas and Social Values of African peoples. Oxford, 1999 (1st ed. 1954). pp.190-209.
(59) Terray Emmanuel. Le pouvoir, le sang et la mort dans le royaume asante au XIXe siècle. In: Cahiers d'études africaines. Vol. 34 N°136. 1994. pp. 549-561.
(60) Wè Melville Jean Herskovits. Dahomey An Ancient West African Kingdom. New York, 1938, p.37.
(61) Wè Ayité Dzidzoe Dovi-Gaba. "La cérémonie de sortie d'enfant chez les Guin-Mina." Lomé, 2015. p.4.




Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Drapo sakre yo pa mizilman". 29 mas 2018 ; Mizajou : 8 dawou 2020. [anliy] https://bwakayiman.blogspot.com/2018/03/drapo-sakre-yo-pa-mizilman.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020