Azaka pa mizilman


Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 15 mas 2017
(Mizajou : 5 nov. 2019)


Nan lis Lwa nan tradisyon zantray ayisyen an, gen Jany oswa Lwa lagrikilti a yo te rele Azaka, ke souvan yo rele Zaka, Kouzen Zaka, Minis Azaka, Azaka Mede, elatriye. Men, gen tèks ansyen ki mansyone non Azaka (Azaca) a nan relasyon ak endyen Amerik di Sid. Endyen ki soti Pewou, espesyalman :


 "Tandis que les manas d'Azaca l'arrachaient des bras de son amant, Therelle prenait avec Mural la route du Port..." (1)
Tradiksyon :
"Pandan ke mana Azaca yo te rale l nan bra menaj li, Therelle ansanm ak Mural te pran wout Pò a…"

1- Azaka ak Tayino yo

Apati de tèks sa yo, kèk moun te kwè ke Azaka, Jany oswa Lwa peyizan an, te soti nan tradisyon Tayino yo, kidonk premye moun ki te rete nan zile a. Sepandan, osi bonè ke nan lane 1981, Gérard Montilus te montre ke Azaka soti nan "Lafrik" olye de lakay pèp ki te la anvan Kristòf Kolon yo :
 "Epitou, non divinite agrikòl yo rele Azaka a, nou ka jwenn li nan Lafrik pito ke lakay Tayino yo (Montilus 1981:73-84)." (2)
Sepandan, malgre klarifikasyon Montilus te bay, revizyonis yo - ke misyon yo pa syantifik, men pito pou fè dappiyan (yo ka gen konsyans de sa, konsa tou yo ka pa gen konsyans de sa), ak objèktif souse tout sa Ayisyen posede ki gen valè, pou yo fè zòt kado li - pito di Azaka  te yon mo Amerendyen (Tayino), kidonk pèp ki te rete nan zile a anvan Ewopeyen yo te debake :

a)
"Zaka, whose name probably derives from the religion of the indigenous Indians of Haiti, takes his envisaged personae from Benin's Yalóde." (3)
Tradiksyon :
"Zaka, ke non li pwobableman soti nan relijyon Endyen Ayiti yo, pran personalite li genyen ani nan Yalóde peyi Benen an.*"
an)
"Major Vodou divinities, in addition to Loko, link to our indigenous heritage :
 Zaka, the Lord of Agriculture and labor, whose representation is anthropomorphic and signifying land plots amidst the leaves, the neolithic era." (4)
Tradiksyon :
"Gwo lwa Vodou, anplis de Loko, gen rapò ak eritaj endyen nou an :
Zaka, Seyè Lagrikilti ak travay la, ki gen yon reprezantasyon antropomòfik [kidonk. ki gen fòm moun] e ki vle di bout tè nan mitan fèy bwa, epòk neyolitik la."

N ap pale de revizyon Tayino a yon lòt kote, lè na kòmanse ak sa istoryen Francis Arzalier rele "volontaris istorik" Ayisyen an :
"République "noire" née d'une révolution anti-esclavagiste, Haïti est à la jonction d'influences africaines et françaises. Seule, en ce melting pot, l'antériorité caraïbe est quasiment absente, tant les indigènes 'indiens" ont été dévastés. Le nom indien donné à Saint-Domingue, Ayti, relève du volontarisme historique." (5)
Tradiksyon :
""Repiblik "nwa" ki fèt nan yon revolisyon kont esklavaj, Ayiti nan kafou enfliyans afriken ak franse. Se sèlman nan melanj sa, rasin Karayib  [Tayino] an pratikman pa la, tan natif natal 'endyen' yo te dechouke. Non endyen ke yo bay Sendomeng, Ayti a, se yon volontaris istorik."
Kidonk, pandan l ap rabat "Lafrik" kote zansèt li soti, Ayisyen an pran yon atitid volontaris sou Tayino yo, malgre lefèt ke zansèt li pat janm rankontre pèp Tayino a ki te premye rete nan zile a. Se nòmal, paske Tayino yo te fin mouri anviron 150 an anvan zansèt Ayisyen an te debake** :
"Volontarisme: n.m. 1. Attitude de qqn qui pense modifier le cours des événements par la seule volonté. 2. PHILOS. Doctrine ou thèse qui accorde la primauté à la volonté sur l'intelligence et à l'action sur la pensée intellectuelle." (6)
Tradiksyon :
"Volontarism: non. 1. Atitid yon moun ki kwè l ka chanje yon evenman senpman ak volonte l. 2. FILOZOFI. Doktrin oswa tèz ki bay volonte moun priyorite sou entelijans, ajisman sou refleksyon entelijan."
Annou retounen sou zafè revizyon mizilman an, ki se nannan travay sila. Otè revizyonis Jeannot Hilaire limenm, li pa chwazi rout Tayino a. Li pito pale de yon orijin arab-mizilman pou Azaka :


 "asaka, wolof  = prémices ; azata, fongbe = grenier; zaka, arabe & haussa = dîme payable en produits agricole (V.J. Guy-Grand 1890). - En cr.-haït., zaka, azaka - loa protecteur des paysans; il reçoit en guise d'hommage des dons en denrées agricoles." (7)
Tradiksyon :
"asaka, wòlòf  = premis [kidonk premye rekòlt ane a]; azata, fongbe = grenye; zaka, arab & awousa = ladim yo peye ak rekòlt (V.J. Guy-Grand 1890). - Nan kr.-ayis., zaka, azaka - lwa pwotektè peyizan yo; li resevwa manje rekòlt kòm omaj."
 "zak(k)â / djakka, hausa = dîme religieuse payable en denrées agricoles; asakâ = prémices; zakat, arabe = dîme, impôt (M. Delafosse 1955, p. 151). - En cr.-haït., zaka = loa paysan: celui qui en est possédé circule habituellement avec une besace en fibres de latanier suspendue à son cou pour y recueillir des dons de la ferme en hommage des familles qui le reçoivent." (8)
Tradiksyon :
"zak(k)â / djakka, awousa = ladim relijyon yo peye ak manje rekòlt ; Asakâ = premye rekòlt ; zakat, arab = ladim, enpo (M. Delafosse 1955, p.151). - Nan kr.-ayis., zaka = lwa peyizan: moun li monte a mache anjeneral ak yon sak an fil latanye pandye nan kou l, pou l ka ranmase manje jaden kòm omaj fanmi ki resevwa l yo."
Lè w gade vit, wa wè ke "zakat", yon mo arab ki vle di "peye ladim", ki se yonn nan senk "pilye" nan islam, sanble anpil ak Azaka, oswa Kouzen Zaka ki se Lwa latè ak agrikilti ; yon Lwa ki ankouraje moun pataje manje. Sepandan, istwa, yo ekri sa ak prèv. Yo pa ekri istwa ak sipozisyon parese. E nan ka travay sila, li pa t difisil ditou pou nou te jwenn orijin reyèl Azaka. Zòt te ka jwenn orijin li tou, si yo pa t parese. Men, èske gen moun ki pi avèg pase moun ki pa vle wè?


2- Non Azaka a nan koloni Sendomeng la

Te gen plizyè moun nan koloni Sendomeng (Ayiti) a yo te rele Azaka. Sa te si tèlman popilè ke ekriven Jean Baptiste Picquenard, ki  t pa viv nan tan revolisyon Ayisyen an, te nonmen "Azaka" yonn nan pèsonaj nan roman istorik li a :


"Cependant, il y en a occasion où hommes bons être contraints d'être méchants. Vous, par exemple, ô bon ami à moi ! n'avez-vous pas été forcé de tuer le nègre-brigand Azaca?" (9)
Tradiksyon :
"Men tou, gen okazyon lè bon moun fòse vin mechan. Wou menm, pou egzanp, o bon zanmi an mwen ! (bon ami à moi) *** èske w pa t fòse touye nèg brigan Azaca [Azaka] a?"
"La providence voulut que le noir Azaca, amant favorisé de la négresse Zerbine, eut la faiblesse de raconter tous les projets du père à sa maîtresse, en lui promettant d'avance l'argent et les bijoux dont il allait devenir possesseur." (10)
Tradiksyon :
"Bondje te vle ke nwa Azaca a, menaj prefere nègès Zerbine la, te fè fot rakonte tout plan papa metrès kay li, epi l te pwomèt li davans lajan ak bijou yo ke li te pral posede."


"Quand Philémon eut fait ces premières démarches, il fit venir les nègres Jean-Pierre et Azaca, qui lui était très-dévoués, et leur dit d'un ton d'inspiré, que Dieu les avait choisis pour venger sa sainte religion, si indignement outragée..." (11)
Tradiksyon :
"Lè Philémon [Filemon] te fè premye etap sa yo, li te rele nwa Jean-Pierre ak Azaca yo, ki te devwe anpil a li, li te di yo nan yon ton enspire, ke Bondye te chwazi yo pou vanje relijyon sen an, ke yo te manke dega nètalkole…"


3- Orijin Azaka

Lengwis yo jwenn orijin Azaka nan Benen ki se peyi tradisyonalis :
"Azaka n. ‘loa’ haï. Azaka, Zaka ‘loa paysan’ (C-SSur ; HCED), Azaka ‘lwa of agriculture and farmers and the protector of travelers’ (Perusse Azacca ; ALH 1349/10 ; BHe 213-214) ; ► haï. Azaka-vodou, Azaka-mede, Azaka-si ‘loa’ (Métraux 1958/2007, 78) ; lwa Agann Zaka ‘loa’ (ALH 1349/10). ◄ Orig. afric. C-SSur : fon azaka ‘(Verger, Dahomey) vodoun de Tohossou’. – Peut-être rapport avec fon azà ‘chapeau’, azagbagbà ‘grand chapeau de paille’ (Se/Ra) (Azaka porte un chapeau de paille). – L’élément Agann reste à expliquer." (12)
"Azaka-si ou Azaka-Yombo n. pr. : Lwa considéré comme "le spécialiste de l'agriculture et de l'économie". Il remplirait les mêmes fonctions que Saint Isidore. Par pouvoir Ministre Azaka, l'Homme-Tonnerre. Azaka-Si, Azaka-Yombo-Vaudou, Azaka-Kola, Nègre Arompla Vaudou. Ago ! (ALEXIS, Les Arbres musiciens, p.198). Au Congo, AZAKA : terme qui renvoie à des divinités protectrices. En fongbe, AZAKA : fétiche de la région de Savalou + SI : suffixe entrant dans la composition de beaucoup de mots. Citons les cultes des Gédés de Canna et celui d'Azaka de Savalou qui ont presque disparu au Dahomey et sont très populaires en Haïti. (VERGER. Raisons de la survie des religions africaines… p.145). E (d)o Azaka'si : Entre les mains d'Azaka. Azaka sí : Femme vouée au culte d'Azaka." (13)
Tradiksyon :
"Azaka n. 'lwa' ayi. Azaka, Zaka 'lwa peyizan' (C-SSur; HCED) Azaka 'lwa agrikilti ak peyizan ak pwotektè vwayajè' Azaka (Perusse Azacca; ALH 1349-1310; BHE 213-214); ► ayi. Azaka-vodou Azaka-Mede, Azaka-si 'lwa' (Metraux 1958/2007, 78); lwa Agann Zaka (ALH 1349-1310). ◄ Orij. afrik. C-SSur : fon azaka ‘(Verger, Dahomey) vodoun Tohossou’. - Petèt li gen yon relasyon ak 'chapo' AZA, azagbagbà ‘gran chapo pay' (Se/Ra) (Azaka mete yon chapo pay). - Eleman Agann an rete pou nou dwe eksplike l."
"Azaka-si wi ou Azaka Yombo. n. pr. : Lwa konsidere kòm "espesyalis nan agrikilti ak ekonomi." Li fè menm travay ak Sen Izidò. Pa pouvwa Minis Azaka, Nèg Loray. Azaka Si-Azaka Yonmbo Vodou, Azaka Kola, Nèg Aronmpla Vodou. De sa! (ALEXIS, Les Arbres musiciens, p.198). Nan Kongo, AZAKA: Tèm ki refere a lwa gad. Nan fongbe, AZAKA: lwa nan zonn Savalou + SI: sifiks yo itilize nan konpozisyon anpil mo. N ap site sèvis Gede yo nan Canna ak pa Azaka a nan Savalou ki te prèske disparèt nan Dawomen e ki popilè anpil an Ayiti. (VERGER. Raisons de la survie des religions africaines… p.145). E (d)o Azaka'si: Nan men Azaka. Azaka sí: Fanm makonnen nan sèvis Azaka."
Konsa, Azaka te non yon Vodoun (Lwa) nan zonn Savalou a. Malgre ke sèvis li te prèske disparèt nan  Benen, peyi li, Azaka, menm jan ak Agasou, Vodoun wayal la, toujou ap briye an Ayiti kote yo te depòte yon pakèt moun nan etni Mahi ki te sèvi li :

 (...)
"En Haïti et à Bahia au Brésil, on trouve bien parmi les descendants d'Africains, le culte des Vodoun dont les noms sont connus à Abomey, mais ce sont tous des Vodoun qui appartiennent aux pays voisins (qui dit voisin dit ennemi) et que les gens d'Abomey, les Fon, ont adoptés par droit de conquête, d'alliance ou d'achat.
(...)
Agongono qui fut facilement trouvé être Agonglo.
Savalou ou Azaka (de Savalou) qui joue un rôle important dans le culte des Tohossou (Zomadonou)
Dadaho serait Agassou, le vodoun des rois d'Abomey." (14)
Tradiksyon :
"An Ayiti ak Baya nan Brezil, yo jwenn nan mitan desandan Afriken yo, sèvis Vodoun ke yo konnen non yo nan Abome, men yo tout se Vodoun ki pou peyi vwazen yo (ki di vwazen di lènmi) epi moun Abome yo, Fon yo, te pran yo nan konkèt, alyans oswa nan achte.
(...)
Agongono ke yo fasilman wè se Agonglo.
Savalou oswa Azaka (ki soti Savalou) ki jwe yon wòl enpòtan nan sèvis Tohossou yo (Zomadonou)
Dadaho ta dwe Agasou, vodoun wa peyi Abome."
Li evidan ke, an Ayiti, chante sakre, tankou sila pou Azaka, Lwa peyizan an, pale de Savalou :

Jaden mwen lwen, mayi m ape pouse, ago e.
Jaden mwen lwen, mayi m ape kase, ago e.
Jou m pran yon fanm, li pa pote panyen nan tèt, Savalou e.

Li etonan anpil ke apa de sèvis Azaka, dans Mahi a oswa sèvis Danmbala ak Ayida Wèdo****, ke li bay, rejyon Savalou a, li menm tou, yo toujou selebre l sou tè zatray ayisyen an. Chante ginen sila, ki soti nan Nò Ayiti, kote seremoni Bwa Kayiman an te fèt, temwaye de sa  :


Savalou e Papa Pyè, Savalou e
Savalou e Papa Pyè, Savalou e
Papa Pyè, m pa manje gonbo, yo vle m lave chodyè, Savalou e


Savalou, Benen
Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Savalou


4- Mòn Savalou

Savalou, Wayòm pèp Mahi sa ki fonde an 1557, te gouvène pa "Gbaguidi, ki vle di "chèf ki gen pwisans." Non sa, te bay nan kouwonman premye Wa a". (Trad.) (15) E nou deja konnen ke mo Gbaguidi a, nou jwenn li nan Tradisyon Ayisyen an kòm Lwa Gagidi Bago, Nago Gagidi Bago, Nèg Gagidi Bago, elatriye.


(Palè Wayal Savalou)
Sous : Bénin Tourisme. URL : http://www.benin-tourisme.com/decouvrir/ville/savalou

Mòn, se yon lòt mak Savalou genyen :


 
(Mòn Savalou)
Sous : Bénin Tourisme. URL : http://www.benin-tourisme.com/decouvrir/ville/savalou

Epi, mak topografik espesyal Savalou sa, li anrejistre nan chante sakre Ayisyen sila ki pale de mòn mistik nan Savalou kote Legba, Jany oswa Lwa, ki louvri Baryè Ginen an, soti  :


Legba kore*****, anye Legba, Legba kore, anye Legba
M rele Papa Legba, Mouche Legba, ki soti mòn Savalou we
Legba kore, anye Legba, Legba kore, anye Legba


"Celebration Maitresse Filomiz Sept 2013 - Societe LEGPHIBAO" ;
URL : https://www.youtube.com/watch?v=5t-XDJUP9Yw ; Tan videyo : 35:45-37:47.


5- "Alaso", salitasyon Azaka a

Nan rityèl tradisyonèl ayisyen an, yo salye Divinite Azaka ak yon rèl sakre, ki se : Alaso! Salitasyon sila revele nati tradisyonèl Azaka. Premyèman, ki sa "Alaso" vle di? Nan lang Yoruba (Nago) a, "Alaso" anjeneral vle di yon "pwopriyetè rad", yon "vandè rad" oswa menm yon "moun ki fè tisay rad". Alaso konpoze ak prefiks posesyon "Al" epi ak mo "Aso" a, ki vle di twal oswa rad :


"The vowels, a, e, &, prefixed to li or ni, to have, form the prefixes al, el, ẹl, ol, ọl, &, which form nouns of possession from other nouns; as, alaśọ, the owner of cloth, a dealer in cloth (from aśọ, cloth)." (16)
Tradiksyon :
"Vwayèl yo, a, e, eltr, ki se prefiks pou li oswa ni, ki vle di genyen, yo fòme prefiks al, el, ẹl, ol, ọl, eltr, ki fòme non de posesyon ak lòt non; tankou, alaśọ, mèt twal la, yon vandè twal (ki soti nan aśọ, twal)." 
Dapre Yoruba (Nago) yo, twal (rad) se siy imòtalite, tèt klè, atirans, talan atistik, pèfeksyon, elatriye, pou mòtèl yo tankou pou Orisha (Divinite Yoruba) yo. Se sa k fè Yoruba (Nago) yo di ke yo salye rad yo anvan yo salye moun ki mete rad yo. (17) E gras a bèl rad li ansanm ak akseswa peyizan li ki rann li diferan, Azaka matche nètalkole ak mo Alaso a ki dekri yon "pwopriyetè rad".

(Rad ak senbòl Azaka, Divinite (Lwa/Jany) Lagrikilti, nan rityèl ayisyen an)
Sous : Hërsza Barjon. "Azaka". https://olneyonceonthisisland.wordpress.com/2014/03/25/divine-haiti-portraits-of-the-lwa-by-hersza-barjon/01_azaka_jpg/

Men, Azaka se pi plis pase twal, rad ak zafè peyizan. Li se Divinite (Lwa/Jany) Lagrikilti nan yon fason ki laj. Salitasyon l, "alaso" a, ilistre pwen sa a. Paske, mo "asọ" a (nan al-aso) kanta limenm, li konpoze ak prefiks de posesyon "a" a, ansanm ak mo "sọ" a, ki vle di "boujonnen, rejenere (kidonk rebay lavi)" :
"The Yoruba word for cloth and clothing is aṣọ or asọ. Adding the prefix "a" to "sọ" ("to bud", "to regenerate") forms the noun aṣọ or asọ. Aşọ can therefore be interpreted as that which renews and survives one at death. Aṣọ is the agency of regeneration, a rebirth among humans and the òrìṣà." (18)
Tradiksyon :
"Mo Yoruba pou twal ak rad se aṣọ oswa asọ. Ajoute prefiks "a" nan "sọ" ("boujonnen","rejenere") fòme non ki se aṣọ oswa asọ. Konsa, yo ka entèprete Aşọ tankou sa ki renouvle ak kontinye viv apre lanmò yon bagay. Aṣọ se yon ajans nan rejenerasyon, yon dezyèm lavi pou moun ak òrìṣà a."
Kidonk, Alaso (Al + aso) refere a "yon moun ki boujonnen, ki rejenere", oswa "ki fè yon bagay boujonnen ak rejenere". Antanke salitasyon, Alaso eksprime travay Azaka, Divinite (Lwa/Jany) Lagrikilti a. Paske mo Alaso a raple grenn an ki boujonnen pou ka rejenere pyebwa a.

5.1- Savalou ak tradisyon Yoruba a

Poukisa "Alaso", yon mo ki soti nan tradisyon Yoruba (Nago) ta itilize pou Azaka, yon Divinite ki soti Savalou, ki se rejyon pèp Mahi (Mayi) a, nan peyi Benen? Repons la chita nan non Savalou. Konkeran Fon yo te rele zonn an Savalou, pandan ke moun nan lokalite a kontinye rele zonn an pa non reyèl li, ki se : Sha-be-lu (Chabelou). Se menm jan tou pou 2 lòt bouk yo rele Dassa (Da-Sha) ak Savé (Sha-be). Non orijinal lokalite sa yo refere a premye pèp ki te rete nan plas la, ki se pèp Sha (Cha) a, ki pale lang Yoruba (Nago). (19)
Lè nou dekoupe mo Sha-be-lu a, nan lang Yoruba (Nago), tout bagay vin klè. Sha (Cha) : "non gwoup etnik ki pale lang Yoruba nan rejyon an" + Be : "soti yon kote apre yon lòt, aji san pèmisyon" (20) + Lu (Lou) : "dekouvri, rive remake". (21)
Kidonk, nan lang Yoruba, "Sha be lu" refere a rejyon (Savalou) a ke : pèp Sha a, nan mache adwat agòch, te dekouvri, epi yo te tou rete la, san mande pèmisyon pyès moun. Konsa tou, bon non vilaj Dassa (Da-Sha), ak Savé (Sha-be) gen ladan menm referans a non pèp Sha a. (22) Lontan apresa, nan alantou lane 1645-1680, pèp Mahi (Mayi) a ki te soti nan sid, te vin rete nan Shabelu (Savalou). Pèp Mahi a te vin jwenn anpil enfliyans nan tradisyon Yoruba yo, ki se vwazen yo, ansanm ak enfliyans tradisyon pèp Gen ak Fon yo. (23) Rezilta melanj tradisyon gwoup etnik sa yo bay salitasyon Azaka a, ansanm ak anpil lòt aspè nan rityèl zantray ayisyen an.
Yonn nan aspè sa yo prezante l an Ayiti, nan "Sanyan", ki se yon atribi Divinite (Lwa/Jany) Legba. Paske menm Legba soti nan pèp Fon nan peyi Benen (Dawomen), yo rele kanmenm Legba Sanyan, an Ayiti. Mo "Sányán" an, vle di "Laswa" nan lang Yoruba (Nago). Ansanm ak Etù, epi Àlàári, li fòme 3 twal kalite siperyè ke Yoruba la (Nago) yo rele "Aso oke".

(Twal Sányán)
Sous : https://bellafricana.com/the-history-of-aso-oke-textile/

Twal zotobre sa yo, yo plis remake nan okazyon espesyal.

(Rad an twal Sányán nan yon evènman sakre Yoruba, nan Nijerya)
Sous : https://bellafricana.com/the-history-of-asooke-cloth-weaving/

Konsa, "Sanyan" (ki afilye ak Legba) ak "Alaso" (ki afilye ak Azaka), nan rityèl tradisyonèl ayisyen an, se tras estati sakre ke Yoruba (Nago) yo te bay twal ak rad

Konklizyon
An konklizyon, n ap di ke yon ti grate nan pase istorik ak espirityèl Ayiti, te ase pou n te pwouve, san okenn dout, ke sèvis peyizan Azaka a, jan yo kontinye fè l an Ayiti a, li soti sèlman nan relijyon zantray Wayòm Savalou nan Benen an. Menm jan tou, n ap konkli ke pa gen okenn koneksyon ant sèvis Azaka Mede Soubwa Vodou ak ankenn ladim arab oswa mizilman. Ni sèvis sa pa t konekte ak ankenn eritaj Endyen Amerik ki chita plis sou achte figi etranje ke sou reyalite. Anplis, aksyon sa yo, islam entèdi yo : Azaka mande tafya ak tchaka, manje li pi pito, ke se yon melanj grenn mayi, grenn pwa ak vyann kochon :


(Tchaka)
Sous : http://tchakayiti.com/home/tchaka-family-tradition/
"TCHAKA, A FAMILY TRADITION
INGREDIENTS 1 part red beans, 1 part dried corn, 1 salt-cured pork feet Pumpkin (optional, read above) Garlic Salt & Pepper to taste. Piment bouc. INSTRUCTIONS Cook the beans and corn in unsalted water. Thoroughly cook the pork feet covered in water in a separate pot. When the corn and beans are ready, add the pork meat to the mix and season to taste. Let simmer until the desired thickness is achieved. Serve hot as a main dish." (24)
Tradiksyon :
"TCHAKA, YON TRADISYON FANMI
ENGREDYAN 1 pati pwa wouj, 1 pati mayi seche, 1 andwiyèt pye kochon, joumou (si ou vle). Lay. Met sèl ak pwav jan w pito. Piman bouk. ENSTRIKSYON Kwit pwa a ak mayi a nan dlo ki pa sale. Byen kwit pye kochon an ki kouvri nan dlo nan yon chodyè apa. Lè mayi ak pwa a pare, ajoute vyann kochon an nan melanj la, epi asezonnen jan w pito. Kite li redwi jouk li gen epesè ou vle a. Sèvi cho kòm yon pla prensipal."



* Yalóde pa gen anyen arevwa ak Lwa Lagrikilti nan Benen oswa an Ayiti. Li se, sa yo rele Iyalode, ki se yon tit politik ak mistik yo bay fanm ki gen pouvwa lagè (25) nan Tradisyon Yorouba-Nago nan peyi Nijerya ak Benen. Tit sakre sila ki rezève pou fanm vanyan, yo konsève l an Ayiti nan "Eyalode" ke yo di nan rit lagè Nago a. Gen lè otè revizyonis la te vle pale de sèvis pou Lwa Sakpata, ki se yon Vodun Lagrikilti ak maladi lavaryòl nan peyi Benen. Men, Sakpata, Vodun Lagrikilti pèp Fon (Rada) an, li diferan anpil de Azaka ki se Vodun pèp Mahi a. Paske, "Nan Benen, SAKPATA se wa tè li ye. Jou ale nan mache a, kennenpòt jou li ye, pa sèlman lè li jounen jedi, moun ki travay latè ap gen maladi lavaryòl." (26) Se konsa, akoz ke Sakpata wòklò anpil epi li bay moun kraponnay, lang kreyòl Ayisyen an rele Sapata tout sa ki fè ronfle, krabinen oswa bastonnen moun. (27) Nan kondisyon sa, Zansèt Ayisyen yo te pi pito Azaka ki se Lwa lagrikilti ki gen bon jan, ki aksesib, ki tèlman byen ak moun ke yo rele l "Kouzen" ak anpil afeksyon.
** 50 tan apre 1492, dat ke Kristòf Kolon ak Panyòl yo de debake nan zile li yo rele Ispanyola a, (kidonk zile ki vin gen 2 peyi : Ayiti ki pale kreyòl franse ak Sendomeng ki pale panyòl), Tayino yo te deja disparèt nan pati Lwès zile sa ki vin tounen Ayiti. Panyòl yo te abandone pati Lwès sa, ki te rete vid pandan plis pase 100 tan, jouk blan Franse, yo rele Boukanye, te vin met lapat sou li nan lane 1654. (28) Men, 84 an anvan Boukanye sa yo te rive, depi lane 1570, Tayino yo ki te nan moso Lès zile a te deja fin mouri. (29). Premye zansèt Ayisyen yo menm, yo te debake nan bout Lwès zile a 129 an apre Tayino yo te fin bwachat. Paske se nan dat 1679 ke Lafrans te kòmanse bwote kaptif (esklav) nan moso Lwès zile sa ki poko menm te pou li. (30) Konsa, pa t gen okenn rankont ant Zansèt Ayisyen ak Tayino ki te deja mouri lontan, e jan premye istoryen Ayisyen Baron Valentin de Vastey de fè konnen, (31) se sèlman kèk moso zouti ak zo yo ki te fin blanchi, ke Ayisyen te konn tonbe sou yo detanzantan. Si te deja gen moun Nwa nan bout Lès zile a, yo pa t zansèt Ayisyen, jan revizyonis yo vle fè kwè. Yo te nan pati panyòl la, ki se yon peyi etranje, epi yo pa t dire ase tan anba esklavaj pou yo ta ka rive grennen timoun. Epitou, menmsi ta gen kèk moun Nwa panyòl ki te fè pitit ak kèk Tayino anvan yo disparèt, moun Nwa panyòl sa yo pa t melanje ak moun Nwa nan moso franse a. Pase, dapre Gaspard Théodore Mollien, ki se yonn nan premye moun ki ekri istwa Dayiti, 2 group Nwa sa yo, yonn pa t vle wè lòt. (32)
*** Nan ekspresyon "bon ami à moi!" ( "Bon zanmi m '!"), nou wè, yon lòt fwa, ke menm otè franse yo te mete   "à" a ki se makè posesif nan kreyòl nan Nò Ayiti a. Men, moun ki toujou ap defann manti "Bwa Kay Iman" an ak awogans, yo kouvri tèt yo ak wont, lè yo prezante fòm posesif kreyòl nan Sid ak Lwès tankou yon ekspresyon moun nan Nò. Pou plis enfòmasyon sou sa, li atik "Kay + Iman" nan kreyòl nan Nò a.
**** Auguste Le Hérissé te fè konnen ke nan Savalou : "An menm tan ak sèvis pou Djisô, yo devlope pa Dan-ayida-wedo, koulèv lakansyèl la, ki se Vôdoun pèp Mahi a, espesyalman, nou kwè, pa tribi djinou a (moun anwo yo, ki te tonbe soti nan syèl la)." (Trad.) (33) Konsa, nou konprann ke lè entelektyèl Ayisyen degrenngòch yo ekri non Danmbala, Lwa Koulèv Lakansyèl la "Damballah" se jechèch y ap fè pou yo rann mizilman Vodoun granmoun sila ki soti nan Savalou.
***** Li atik sou Tamerlan an ki montre ke orijin konsèp mistik "kore" a se Banmbara.


Referans
(1) Joseph de Rosny. Le Péruvien à Paris, ouvrage critique, historique et moral. Vol.1. Paris, 1801.
(2) Guérin C. Montilus. Africa in Diaspora: The Myth of Dahomey in Haiti. In : Journal of Caribbean History. Vol 2. 1981. pp.73-84. ; cité par David Geggus. "The naming of Haiti" In: New West Indian Guide/ Nieuwe West-Indische Gids 71 (1997), no: 1/2, Leiden, 43-68 ; URL :  http://www.kitlv-journals.nl
(3) Leslie Gérard Desmangles. The Faces of the Gods : Vodou and Roman Catholicism in Haiti. North Carolina, 1992. p.171.
(4) Rachel Dominique-Beauvoir. "Reclaiming Indigenous heritage in Haiti- Our Taino Culture is alive and well.". [online] URL : http://www.tainolegacies.com/154087477 ; Retrieved on June 4, 2016.
(5) Francis Arzalier. Introduction dans : Moeurs d'Haiti - Gaspard Théodore Mollien. Paris, 2002. p.xxx
(6) Dictionnaire Petit Larouse en couleurs. Paris, 1990.
(7) Jeannot Hilaire. L'édifice créole en Haïti, Fribourg, 2002. p.302.
(8) Jeannot Hilaire. Ibid. p.336.
(9) Jean Baptiste Picquenard. Adonis, ou Le bon negre : anecdote coloniale. Paris, 1798. p.234
(10) Jean Baptiste Picquenard. Ibid. p.149.
(11) Jean Baptiste Picquenard. Ibid. p.148.
(12) Annegret Bollée. Mots d'origine non-française ou inconnue "A". [online] 2015. p.29.
(13) Pierre Anglade. Inventaire étymologique des termes créoles des Caraïbes d'origine africaine. Paris, 1998. p.56.
(14) Pierre Verger. "Le culte des vodoun d'Abomey." ‪Études dahoméennes‬, Volume 8. Porto Novo, 1966. p.23.pp.5-28 
(15) Bénin Tourisme. "Savalou" [anliy] . URL : http://www.benin-tourisme.com/decouvrir/ville/savalou
(16) Thomas Jefferson Bowen. Grammar and Dictionary of the Yoruba Language. Washington, 1858. p.14.
(17-18) Rowland Abiodun. Yoruba Art and Language: Seeking the African in African Art. New York, 2014. pp.161-164, 162.
(19) G. Parrinder. “Yoruba-Speaking Peoples in Dahomey.” In : Africa: Journal of the International African Institute, vol. 17, no. 2,  (Apr., 1947), pp. 122–129. (pp.125-126)
(20-21) Church Missionary Society. A dictionary of the Yoruba language. Part 2. Lagos, 1913. pp.68-69, 170.
(22) G. Parrinder. Op. Cit. pp.125-126.
(23) Suzanne Preston Blier. African Vodun: Art, Psychology, and Power. Chicago, 1996. p. 357.
(24) "Tchaka : a family tradition" Wednesday November 5th, 2014. [online] ; URL : http://tchakayiti.com/home/tchaka-family-tradition/ ; Retrieved on July 29, 2016
(25) African Folklore: An Encyclopedia. Philip M. Peek, Kwesi Yankah (édited by). New York. 2004, p.768. 
(26) Pierre Anglade. Inventaire étymologique des termes créoles des Caraïbes d'origine africane. Paris,1998. p.174.
(27) Prophète Joseph. Diktsyonè Sinonim Lang Ayisyen. Monreyal, 2002. p.348.
(28) Houdaille Jacques. Quelques données sur la population de Saint-Domingue au XVIIIe siècle. In: Population, 28e année, n°4-5, 1973 pp. 859-872.
(29) Ibid.
(30) Slavesvoyages.org ; URL:  http://www.slavevoyages.org/tast/assessment/estimates.faces
(31) Baron de Vastey, Valentin. Le Système Colonial Dévoilé. Cap-Henry, 1814.  p.3.
(32) Gaspard Théodore Mollien. Moeurs d'Haiti. Paris, 2006. p.93.
(33) Auguste Le Hérissé. L'ancien royaume du Dahomey, moeurs, religion, histoire. p.118.  Paris, 1911. p.118



Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Azaka pa mizilman". 15 mas 2017 ; mizajou 5 nov. 2019. [anliy] URL: http://bwakayiman.blogspot.com/2017/03/azaka-pa-mizilman.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020