Vèvè yo pa mizilman

Home     



 

Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 10 fevriye 2018
(Mizajou : 8 dawou 2020)



Pèp ayisyen an, ki toujou okipe nan viv ojoulejou, nan woywoy, ak nan divizyon politik ki sanble ak gè etnik, pa jwenn gen tan pou li mete nan fè rechèch istorik ki te ka pèmèt li separe : 1) reyalite de zèv fiksyon, 2) sa ki syantifik toutbonvre de sa ki se syantifik krizokal. Li ase pou yon Ayisyen "fete" nan kèk dat istorik, pou li konsidere tèt li patriyòt. Men, kòm depi gen yon vid, lanati ap ranpli li, etranje yo, ki mete entelektyèl Ayisyen achtè de figi yo bò kote yo, jwenn piyay pou yo blayi ipotèz revizyonis mizilman ak amerendyen yo, ki pa fè sans menm. Vèvè yo, desen zantray ayisyen sa yo, fo istoryen yo pretann ke yo tayino, (1) menmsi yo konnen ke Amerendyen tayino yo te disparèt nan zile a plis pase 150 lane anvan yo te lage zansèt Ayisyen yo sou zile a nan lane 1679. Pou konpanse pou sa, fo istoryen sa yo te ranvwaye dat rive zansèt Ayisyen yo nan lane 1503, jis pou yo te ka fòje yon rankont ak Tayino yo. (2) Men, malgre sa, okenn nan revizyonis sa yo pa janm devwale okenn dosye achiv ki montre yon Tayino k ap desinen yon vèvè atè.


1- Enfeksyon syantifik krizokal yo

Kanta pou revizyonis islamik yo, kòm yo pa t ka reklame vèvè yo nan totalite yo, yo te vire sou senbòl ki genyen anndan vèvè yo. Se ka a pou LeGrace Benson ki, depi 1992, dat premye piblikasyon li sou sijè a, ap analize chema ki genyen nan drapo konsakre yo ak nan vèvè yo, pou l ka jwenn siy ke yo mizilman. E jouk jounen jodiya, ki se kòmansman lane 2018, kidonk plis pase 25 lane pita, chèchè krizokal sila pa jwenn okenn prèv dirèk ki ta kole senbòl zantray ayisyen yo ak islam. Li te senpleman kontante l blayi deklarasyon islamik tankou sila :
"Islam as a religion was utterly stamped out of St.-Domingue and Haiti. Its vestiges remain visible but incomprehensible in a few scattered pieces of vèvè, some designs on a few older dwapo." (3)
Tradiksyon :
"Islam antanke relijyon te disparèt nèt nan Sendomeng ak Ayiti. Tras li rete vizib men enkonpreyansib, gaye nan kèk moso vèvè, nan kèk desen nan kèk ansyen drapo."
Benson, revizyonis tèt di a, nan plizyè atik nan jounal syantifik krizokal, te pwente anpil resanblans ki ta va genyen ant senbòl ayisyen yo ak islam. Men, resanblans pa vle di enfliyans ; e li mwens vle di eritaj. Paske, gen yon dal resanblans, ki pafwa bèl, ant tout kilti, relijyon ak espirityalite sou latè. E sa se rezilta, pa nesesèman eritaj, men pito akoz de yon ansanm ke yo pataje toupatou. Se sa sikyat Carl Gustav Jung rele "enkonsyans kolektif". (4) N ap pale de ensten ak aketip kolektif yo ki nan enkonsyans, ki gaye toupatou, epi ki repete ; men san pa t menm gen kontak oswa yon fòm de kopyaj ant gwoup ki lwen yonn de lòt, men k ap fè menm jan de aksyon, oswa aksyon ki idantik.
Anplis de sa, Benson te pale de mandala, yon desen konsakre endou ak boudis yo ki vle di "sèk" nan lang yo rele sankri a.


(Mandala : desen ak sab tibeten)
Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Mandala#/media/File:MandalaSable2008-12.JPG

Sepandan, mandala yo sanble anpil ak desen ak sab tribi ameriken Navajo yo.*


(Desen ak sab Navajo yo)
Sous : http://www.druma.co/navajo-sand-paintings/navajo-sand-paintings-navajo-sand-painting-native-american-indian-art-sand-painting-pictures/

Sepandan, revizyonis la pa t ap oze di ak fòs (jan li pèmèt li fè ak vèvè ansanm ak drapo ayisyen yo) ke Navajo yo te jwenn enfliyans nan mandala Tibeten yo. Ni li pa t ap di ke Tibeten yo jwenn enspirasyon nan chema Navajo yo. Anplis, lè nou obsève mandala ki gen trase sila :


(Mandala tibeten)
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Sandpainting#/media/File:348Sandbild_im_Sera_Kloster.jpg

Nou wè ke revizyonis la (oswa nenpòt lòt) pap janm eseye montre ke kreyasyon Mandala a soti nan resanblans li ak Kaaba mizilman yo :


(Mizilman ki nan pelerinaj ap vire toutotou Kaaba a)
Sous : http://www.barakabits.com/2017/07/al-kaaba-middle-middle-east

Okontrè, Benson ak lòt revizyonis yo ap fasilman aksepte ke boudis tibeten yo ansanm ak mizilman nan pelerinaj yo, antanke 2 gwoup separe, te pran enspirasyon, chak bò kote yo, nan yon menm Sous ki inivèsèl. Men, nan konsepsyon rasis yo, yo pap janm admèt ke moun nwa ase bon pou pwodwi sa ki valab san èd zòt. Men, fò nou klè. Konsepsyon yo, tankou pa nenpòt zòt, se pa bagay ki regade nou. Nou pale de li isit la, sèlman paske plis tan ap pase, plis salte entelektyèl krizokal yo a ap enfekte popilasyon ayisyen an, ansanm ak dyaspora li a. Nou pral kontrekare yo isit la, pa ak yon dal resanblans konsa konsa, men nan demontre eritaj tradisyonèl "afriken" an ki te rete vivan nan peyi Ayiti.



2- Orijin vèvè ayisyen an ak eritaj dawomeyen an

Pa gen okenn nesesite pou nou ekstrapole, fè 6 tounen 9, tankou revizyonis yo, pou nou tabli orijin tradisyonalis vèvè ayisyen an. 

(vèvè, desen zantray an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.161. 

Literati temwaye ke vèvè ayisyen yo soti nan Dawomen (Benen) tradisyonalis, kote yo toujou trase vèvè yo ak menm teknik la, epi yo toujou rele l "vèvè :


"Autour de la natte, on a tracé un triple cercle (vèvè) de farine blanche, de cendres et de farine mélangée à de l'huile de palme." (5)
Tradiksyon :
"Toutotou nat la, yo te trase 3 sèk (vèvè) ak farin blan, sann dife ansanm ak farin ki melanje ak lwil palmis."
(Vèvè nan Dawomen (Benen))
Sous : Christoph Henning, Klaus E. Müller, Ute Ritz-Müller. Afrique-La magie dans l’âme : rites, charmes et sorcellerie. Könemann, 2000. pp.218, 212.

Anplis de sa, se pa t sèlman moun nan Dawomen ki te konn sèvi ak siy konsakre ke yo trase atè. Siy sa yo, nou jwenn yo, trase nan sab, nan kilti gwoup etnik yo rele Tu-Chokwe (Toutchokwe) a nan Nò Angola ak Kongo :


(Chema Tu-Chokwe (Angola))
Sous : Robert Farris Thompson. Flash of the Spirit : African & Afro-American Art & Philosophy. New York, 1983. p.189.

E nan siy Tu-Chokwe sa yo, yo te konsantre sou kat pwen kadino yo, ki se yon bagay yo pa jwenn nan vèvè Dawomen yo, e ke vèvè ayisyen yo genyen. Menm jan an tou, nou jwenn desen konsakre nan gwoup etnik yo rele Ndembu (Ndenmbou) a nan Nòdwès peyi Zanmbi :


(Vèvè Ndembu (Zambi))
Sous : Victor Turner. Revelation and divination in Ndembu ritual. London, 1975, p. 127.

Siy sa yo, oswa vèvè Ndembu sa yo, yo te trase yo atè ak yon jan de poud, menm jan ak vèvè ayisyen yo. Kidonk, depi nan kòmansman an, nou wè ke vèvè yo soti nan sivilizasyon tradisyonèl "afriken" an.


2.1- Vèvè yo ak bato sakre Agwe a

Me batiman sakre Lwa/Jany Agwe Tawoyo a (oswa pa Èzili), ke yo ka jwenn regilyèman nan vèvè, menm jan tou, nan hounfò oswa nan peristil tanp tradisyonèl ayisyen yo :


(Bato Agwe Tawoyo pandye nan yon hounfò an Ayiti)
Sous :  Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. pp.192-193. fig.24.

Revizyonis LeGrace Benson an pretann, san sipò ankenn prèv, ke bato sakre sila te soti nan enfliyans franse (Breton) :
"Other drapo may also echo Brittany. Small votive ships hang from the ceiling near the sanctuary of many a Breton chapel and from many a Haitian houmfo. In Haiti, such ships are emblems of the sea lwa, Agwe. The emblem appears in veve and on drapo." (6)
Tradiksyon :
"Lòt drapo fè nou sonje Labretay. Ti bato konsakre yo ki pandye nan plafon ki toupre tanp nan anpil chapèl nan Bretay, ak nan anpil houmfò ayisyen. An Ayiti, bato sa yo se anblèm lwa lanmè a, Agwe. Anblèm la parèt nan veve ak sou drapo."
Se vre ke yo jwenn bato gwosè redwi nan plizyè legliz katolik. Pi fò tan, li se yon demann pwoteksyon oswa yon remèsiman pou pwoteksyon ke batiman pechè oswa lamarin nan yon zòn te jwenn. Yo rele sa "ex-voto". Nan lang laten, li vle di "selon ve (oswa demann) ki te fèt la". Pratik sila te la anvan te gen relijyon kretyen. E li ka pran anpil fòm : estati, tablo, kwa, chandèl, fòm pati nan kò ki te malad epi ki geri, bato, moso nan bato, elatriye.


 (Bato "ex-voto" ki pandye nan chapèl yon legliz nan vil Söderköping nan Laswèd)
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Ex-voto#/media/File:DrothemVotiveShip.jpg

Konsa tou, pou menm rezon ki se fè "ve" a, genyen bato modèl redwi nan plas piblik nan anpil rejyon nan lemond, menm jan tou nan Bretay, Frans. Fidèl ki ta vle kole demann yo oswa remèsiman yo sou bato "ex-voto" yo, ka fè l :


 (Bato "ex-voto" ak demann fidèl yo, nan Bretay (Frans))
Sous : http://un-chat-passant-parmi-les-livres.blogspot.ca/2016/08/le-bateau-du-chateau-des-ducs-de.html

Konsa, bato "ex-voto" kretyen sa yo la pou reprezante demann oswa kòm remèsiman pou demann ki te jwenn rezilta. Kidonk, yo pa senbòl yon sen katolik. Pandan ke bato ki pandye nan ounfò ayisyen yo, yo se senbòl Lwa (Agwe oswa Èzili). Yo pa la kòm remèsiman pou yon èd ke Lwa sa yo te bay. E yo pa tache demann sou yo.
Epi, se pa sèlman bato ki pandye nan ounfò yo. Yo pandye tanbou tou. E m pa kwè se yon enfliyans breton :
(Tanbou ki pandye nan yon peristil)
 Sous :  Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. p.192a, fig.25.

Men, bato Agwe a pa egziste sèlman nan siy (vèvè) oswa nan modèl redwi. Yo bati l tou nan gwosè pratik ki ka pran lanmè, pou li ka mennen ofrann sakre (ki gen sakrifis bèt ladan l) nan fon lanmè, kote Mèt Agwe fè Kay li.


(Bato Agwe, gwosè pratik, anvan yo voye l sou lanmè)
Sous :  Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. p.336a, fig.43.

Yo fè ofrann ak sakrifis sa yo chak ane pou Lanmè sakre a. Epi, yo lage bèt yo sakrifye yo nan lanmè, menm jan ak bato sakre a yo chaje ak ofrann ki mwen lou yo :

 
(Manje pou Mèt Agwe Tawoyo nan lanmè)
Sous :  Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. fig.39-47.

Konsa, pa gen dout ke bato Agwe a, ak tout sa ki vini avè l, pa soti nan relijyon katolik, ke l te breton oswa yon lòt.
Kanta pou "ve" katolik yo, nou jwenn yo nan relijyon ayisyen an. Yo parèt nan pratik Ayisyen senkretik yo (kidonk, sila yo ki melanje relijyon zantray a ak katolik). Men, se pa nan modèl bato redwi yo parèt. Nou jwenn yo nan sa yo rele "pran ve". Kikonk, lè yon Ayisyen katolik vin malad, oswa nan yonn nan moman enpòtan li, li fè yon "voeu de pénitence" (ve de penitans), swa ki gen rapò ak yon Lwa ou pa ; kidonk, swa ki gen rapò ak yon Anj pwotektè fanmi li (Jany) ou pa. Epi, nan yon tan ke li fikse, li pral mete rad "ve (de penitans)" ki fèt ak plizyè moso twal koulè diferan, oswa ak sak. Abitid senkretik sa soti nan tan koloni an. (7) Lè sila, katolik Ewopeyen yo, ki te manm kongregasyon penitans, te konn mete rad penitans sa yo, ke yo te bay plizyè non. Yonn nan non sa yo te "sak". Paske, nan penitans yo te konn fè nan jounen Mèkredi Dèsann an, yo te abitye dòmi sou sak, ak tèt yo kouvri ak sann dife. (8)


2.1.1- Vèvè bato sakre Agwe a ak mo "Imamou" a

Toujou san ankenn prèv, epi pandan l ap inyore kwa yo ak lòt senbòl ki pa islamik ki dekore bato yo, L. Benson, revizyonis cho pase dife a, te deklare ke ka gen yon lyen islamik nan mo "Imamou" a ki ekri sou bato sakre yo :
"What is different from the Breton votives is the word "imamou," clearly a survival from Islamic heritage. For Breton sailors and for those brought to Haiti in the ships they manned, such an emblem would carry a complex emotional cargo." (9)
Tradiksyon :
"Sa ki diferan de bagay konsakre Breton yo, se mo "imamou" a, ki klèman se yon tras de eritaj islamik. Pou maren Breton yo ansanm ak pou sila yo yo te bwote an Ayiti sou bato ke Breton yo t ap kondwi, anblèm sa yo dwe genyen yon valè emosyonèl konplèks."
Nan yon atik ki rele Kay + Iman nan Kreyòl Nò, nou te mansyone ke "Afriken" mizilman yo pa t rele prèt yo "Imam". Yo rele li "almami", "alfa", "mori", elatriye. E "Imamou" pa yonn nan non sa yo. Gen kèk ki ka ensiste ke nou gen tò. Enben, nan ka sa, ke yo jwenn referans kote "Afriken" yo ki konvèti nan islam yo rele chef espirityèl yo "imamou".


(Vèvè Agwe Tawoyo)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.379.


Men, fò nou mande si revizyonis yo konnen ke "Imamou" se yon Lwa/Jany nan "Fanmi" Lwa Agwe yo, tankou : Imamou De, Imamou Lèlè, Imamou Wèlo, Imamou Alade Gwètò, Nèg Imamou Lade, Nègès Imamou Lade, elatriye? Si nou swiv lojik yo, èske tout Lwa "vodou" sa yo te "imam" mizilman?

Me, nan yon tanp tradisyonèl nan Okap, bato Agwe Tawoyo a ak tit "Imamou Lade" ki make sou li :


 (Bato Agwe make "Imamou Lade" nan Tanp Banmbara (Sosyete Pierre Dambara))
Sous : "Entretien sur le Vodou haïtien" ; URL : https://www.youtube.com/watch?v=s_QI9_IxgP8 ; Capture d'image (00:04:53)

Anplis de sa, Lwa Agwe Tawoyo a soti dirèkteman nan Dawomen, kote non li dekoupe an Àgbè (Vodun Lanmè sakre a) + (Larivyè) + Awoyo (Gwo anpil). Konsa, Àgbè Tö Awoyo vle di : Àgbè, gwo Lanmè a (oswa Larivyè a). Paske, moun Dawomen yo panse ke, nan tan lontan, Lanmè a te yon larivyè dlo dous, anvan yon ekirèy yo rele Àgbè te pipi ladan l, sa ki fè li vin ble epi sale. (10) E piske islam te rive nan Dawomen apre endepandans Ayiti (nan kòmansman ane 1800 yo), konsa, pa gen relasyon ant islam ak Agwe Tawoyo.

Epi, nan mitan ofrann sou batiman Agwe sa k ap flote sou lanmè twopikal la, te gen alkòl (yon bagay ke islam entèdi) :


(Ofrann manje ak alkòl (chanpay) sou bato Agwe a)
Sous :  Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. p.336a, fig.43.

Kidonk, ipotèz ke bato Agwe Tawoyo a gen arevwa ak islam la pa pase tès lojik.



2.1.2- Orijin bato Agwe a

Bato sakre sila, kote l soti toutbonvre ? Repons la chita nan ansyen Wayòm Dawomen an, ke yo rele Benen, jounen jodiya. Se yon kote ke Ayisyen tradisyonèl yo kenbe nan memwa yo, nan pratike relijyon yo :


(Kat Anba-Dawomen, non an jòn yo rete vivan nan pratik relijyon ayisyen an)
Sous : Victor-Louis Maire. Dahomey : Abomey, décembre 1893 – Hyères, décembre 1903. Besançon, 1905. p.8.

Bato sakre Agwe Tawoyo a, se anblèm (senbòl) Agadja (1708-1732), ki se gran Wa Abomey ki te konkeri Allada nan lane 1720 ; epi ki te konkeri Savi, kapital la Wydah (Ouidah), nan jounen 7 fevriye 1727 :


(Vèvè Agwe Tawoyo an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.379.


(Anblèm Wa Agadja (nan Benen))
Sous : Musée Africaine de Lyon  https://fr.wikipedia.org/wiki/Agadja#/media/File:Embl%C3%A8me_du_roi_Agadja-Mus%C3%A9e_africain_de_Lyon.jpg

Bato a make konkèt Savi nan lane 1727 ; e ak konkèt sa, elajisman Wayòm Abomey (Abome) a ki vin rive jouk nan lanmè, kote Agadja te premye pran kontak ak lamarin franse.
E menm jan ak nan hounfò (tanp traditionèl ayisyen) yo, kote konn genyen modèl redwi bato sakre a, nan peyi Benen, nan vil Abomey a, bato sakre a kontinye ap dekore Takimbala, ki se Palè Wayal Agadja, preske 300 lane apre dappiyan li te fè sou Savi a** :




(Palè Wa Agadja)




(Bato sakre k ap dekore Takimbala, Palè Wayal Agadja)
 Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Agadja#/media/File:Abomey-Palais_du_roi_Agadja.jpg



2.1.3- Wa Dawomen Agadja ak relijyon ayisyen an

Agadja Dosu (Dossou), Wa Dawomen an, yo rann li omaj nan relijyon ayisyen an, antanke Lwa Kadja Dosou oswa Kadja Bosou, oswa senpman sou non li "Agadja" ki vini detanzantan nan chante ginen yo. Men kèk nan vèvè ke yo ba li :


(Vèvè Bosou an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. pp.496, 501.

Karaktè nèg lagè Wa Dosu Agadja a, li parèt sou fòm Toro ke yo reprezante Lwa Kadja Bosou an Ayiti. Paske, nan peyi Dawomen, senbòl "tèt bèf" la refere a Vodun lagè Abodogi Ozeréto ki te yon lyon ak tèt toro :


(Vodun lagè ak tèt toro nan Dawomen)
Sous : Victor-Louis Maire. Dahomey : Abomey, décembre 1893 – Hyères, décembre 1903. Besançon, 1905. p.17.

Konsa, koneksyon ki genyen ant vèvè Bosou an Ayiti ak reprezantasyon Vodun bèf Abodogi Ozeréto a evidan. Epi, kèk tan apre endepandans Ayiti a, Wa Dawomen Ghézo (1818-1858) te pran menm senbòl bèf la :


(Toro senbolik ki reprezante Ghézo, Wa nan Dawomen)
Sous : Auguste Le Hérissé. L'ancien royaume du Dahomey, moeurs, religion, histoire. Paris, 1911. p.117.

Anplis de sa, madanm Agadja, Larèn Nae Hwandile, manman, Wa Tegbessou (1728-1775), se te yon manbo (kidonk, yon pretès tradisyonèl) ki soti nan pèp Aja ; e ki te mennen adorasyon Vodun yo nan Abomey. Hwandile te soti Adjahommê, kote li te fèt, epi li te mennen tradisyon adore Mawou, ki se Vodun fi ki te kreye lemond ansanm ak mari li, Lisa, ki se Vodun solèy la. E yo de te fè Agbè, Vodun lanmè a. (11)  Kòm Agadja, mari li, Larèn Nae Hwandile toujou jwenn adorasyon an Ayiti sou non li Wandile ; sitou nan lapriyè sakre Djò a : "Wandile, Santa Maria...".
Kidonk, anpil nan senbòl nan relijyon ayisyen an soti dirèkteman nan Wayote sakre Dawomen an. Epi yo pa gen absoliman anyen ki mizilman nan yo.


2.1.4- Mèt Agwe ak madanm li, Lasirèn

Nou pa t ka pale de Agwe Tawoyo san nou pa t mansyone Lasiren, madanm li, Lwa/Jany Lanmè a ki pataje fon Lanmè ak li. Lasirèn, Mètrès Oseyan an, li reprezante nan vèvè sila ki fèt ak anpil senplisite :


(Vèvè Lasirèn)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.388.

Me reprezantasyon Lasirèn sou yon miray yon kay mistik nan Pòtoprens :


(Reprezantasyon Lwa "La Sirène" an Ayiti)
Sous :  Leslie Anne Brice. Nou la, We here : Remembrance and Power in the arts of Haitian Vodou. University of Maryland, 2007. p.228.

Malgre non li ki se franse (oswa kreyòl), La Sirène oswa Lasirèn soti nan "Lafrik". Anpil moun nan tan modèrn yo rele li "Mami Wata", sa ki se sèlman yon defòmasyon de mo angle "Mammy Water", ki vè di : "Manman Dlo". Men, bon non Dawomeyen li se Sao :


"Sao serait la sirène." (12)
Tradiksyon :
"Sao ta va lasirèn."
Li gen, selon Dawomeyen yo, Hou (oswa Agbè) pou papa, epi Naètè pou manman. Epi li se sè Avrèlèkètè (Velekete oswa Vèlèkètè an Ayiti). Me reprezantasyon Sao, sirèn an, sou yon miray nan yon plaj nan Wydah, Benen :




(Reprezantasyon Mami Wata, Lwa Dlo nan Benen)
Sous : Omar Márquez. "(Ruta del Esclavo) Ouidah Benin AFRICA" ;  URL : https://www.youtube.com/watch?v=WNywX-j3LcU

Yon fwa ankò, reprezantasyon Lasirèn an menm jan tou de bò Oseyan Atlantik la (Ayiti ak Benen). Sa montre relasyon ki genyen ant de kilti sè sa yo.


2.1.5- Mèt Agwe ak lòt madanm li, Labalèn

Nou dwe mete aksan sou lefètke nan lis Lwa nan relijyon tradisyonèl ayisyen an, Lasirèn Lwa/Jany Lanmè a, akonpaye pa Labalèn (Balèn an), ki limenm tou se Deyès Lanmè epi madanm Mèt Agwe.


(Vèvè Lasirèn ki konfonn ak Labalèn (Balèn an))
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.581.

Aspè sila nan lis Lwa relijyon tradisyonèl ayisyen an, se yon eritaj Kongo ; plis espesifikman, se yon eritaj pèp ki pale lang Lingala a nan peyi Kongo. Paske pèp sila venere La Baleine (Balèn an) ke yo rele Mondélé. (13)
Epitou, ak non Móméta oswa Mamiwata, pèp Lingala (Linggala) a venere Lasirèn (Sirèn an) ke yo dekri kòm Divinite Dlo a, "yon Lespri dlo oswa yon fanm ki bèl anpil", "yon endividi espesyal, ki mwatye fanm, mwatye pwason." (Trad.) (14).
Konsa, kontribisyon doub Kongo (Lingala) a klase pou tout tan gen tan senbòl Mèt Agwe yo kòm yon eritaj ki pa mizilman.


2.2- Kè Èzili ak relasyon Dawomen/Benen - Sendomeng/Ayiti a

Melanj senkretik ak relijyon katolik la, li parèt klè nan relijyon zantray ayisyen an. Se menm bagay la nan Brezil ak Kiba, kote kaptif (esklav) yo te fè fent pou yo te pwoteje tradisyon danti yo.  Men, nan koloni kote melanj senkretik sa pa t fèt, kaptif (esklav) yo, te pèdi relijyon zansèt yo.
Melanj senkretik nan fent sila mache byen senp : pou yo sere bon jan pratik zantray yo kont vyolans kolon yo, kaptif (esklav) yo te gade senbòl sen katolik yo. Epi, depi yo te remake kèk bagay nan senbòl katolik yo ki sanble ak Lwa zansèt yo, yo te adopte sen sa pou yo kache yon Lwa dèyè l.
Se konsa, Lwa/Jany Èzili Freda Dawomen te vin reprezante pa senbòl Mater Dolorosa Mater a (ke yo rele "La mère des douleurs" kidonk Manman doulè yo) :

(Mater Dolorosa Von Jerusalem)
Sous : http://indigoarts.com/sites/default/files/p-27.jpg

E tradisyonalis yo te klèman chwazi, lakay Mater Dolorosa, senbòl kè ki pike a : 

(Vèvè Èzili Freda)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.231.

Nan egzanp sa, li klè ke yo te prete nan senbòl katolik : anba adwat nan vèvè a, ti chèz (oswa bwòs la), nou jwenn li (anwo agòch) nan senbòl katolik la. Epi kè ki gen fòm anana a (anba agòch nan vèvè a), li se yon koupi egzak de kè (ki plase menn kote nan senbòl katolik la) e ki gen pèrl toutotou li ak "SI" ekri nan mitan l. Men, lefètke Nwa yo te kopye nan relijyon katolik la, sa bay revizyonis yo pwoblèm. Paske, li montre ke Nwa yo te desidè de lavni yo. E sa revizyonis yo pi pito, se okontrè, lè Nwa yo rete gaga, ap sibi, nan tout relasyon ke yo genyen ak zòt. Fò yo dwe, tankou egare, ap resevwa enfliyans zòt k ap dominen yo. Epi Nwa sa yo dwe ap kofre anba chay lou, ke sa yo rele "sivilize" a lage sou yo.
Se nan pèspektiv sila ke revizyonis LeGrace Benson te rejte lefètke Nwa yo te deside prete senbòl katolik yo pou kont yo. Li te pito vire atansyon l sou kè ki nan mitan drapo konsakre sila ki pou Lwa/Jany Èzili :

 (Drapo konsakre ak kè Èzili nan mitan l)
Sous : LeGrace Benson. "Some Breton and Muslim Antecedent of Voudou Drapo". In : Textile Society of America Symposium Proceedings Paper 867. 1996.

E li (LeGrace Benson) te pwopoze, an premye, ke kè ki nan drapo a (sakre kè) li soti, pa nan fent kaptif (esklav) yo, men pito nan enfliyans dirèk misyonè katolik Breton (kidonk ki soti nan Bretay, an Frans) te genyen, apre siyati Konkòda 1860 la, sou Ayisyen, ki se "troupo bèt" yo :
"The Voudou drapo that does carry a simple emblem in the center is usually that of the lwa Ezuli represented by a heart. The Breton priests and religious taught veneration of the Sacred Heart to their Haitian flocks. (...) Michel Nobletz in the sixteenth century promulgated the images throughout Brittany, and even now they appear in every mission where there are Breton priests and religious. The Breton missionary who eventually became the Archbishop of Haiti at the time of the Concordat was among those who tried to have Nobletz canonized for his work with the image of the Sacred Heart." (15)
Tradiksyon :
"Drapo Voudou a ki pote yon senp anblèm nan mitan l, anjeneral li se pa lwa Ezuli ki reprezante pa yon kè. Prèt ak reljye Breton yo te anseye troupo Ayisyen yo venerasyon pou Sakre Kè a. (...) Michel Nobletz nan zezyèm syèk la, te pibliye imaj yo toupatou nan Bretay, e menm kounye a imaj sa yo parèt nan chak misyon kote gen prèt ak relijye Breton. Misyonè Breton ki te vin Achevèk an Ayiti nan moman konkòda a te pami sila yo ki te eseye fè yo kanonize Nobletz [kidonk, fè yo lonmen l sen] pou travay li ak imaj Sakre Kè a."
Konsa, dapre Benson, kè Èzili a soti nan "la carte du coeur", kidonk "kat kè a" ki te yon bann desen kè ke prèt Breton Michel Nobletz te fè yo fè nan lane 1600 yo, kòm yon zouti nan zafè al mache konvèti zòt. Michel Nobletz te fè yo desinen peche kapital yo yon jan pou fè sa k pa kretyen yo, e ki te kwè nan sipèstisyon yo, pè lanfè :

 (La carte des coeurs (kat kè yo))
Sous : http://www.lavieb-aile.com/2015/09/la-tribune-des-peches-capitaux-de-la-chapelle-saint-yves-a-priziac.html

Sepandan, 1) kè breton sa yo, ki te la pou bay kraponnay, yo pa t pèse, kontrèman ak kè ke revizyonis la te pran kòm egzanp nan drapo konsakre ayisyèn an. 2) Yo (kè breton yo) te montre atè prensipal kè a, e sa pa nan kè senkretik ayisyen an. 3) Yo desinen, nan kè Breton yo, kèk endividi ki gen konpòtman malatchong, ke yo konpare ak bèt : Sa ki renmen fè kòlè a, yo fè l reprezante yon chen, parese a reprezante yon milèt, saf la reprezante yon kochon, elatriye :


Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Tableaux_de_mission?oldformat=true#/media/File:010_Le_Nobletz_taolen_3_Les_coeurs_paresse_et_chol%C3%A8re.JPG ; https://fr.wikipedia.org/wiki/Tableaux_de_mission?oldformat=true#/media/File:011_Le_Nobletz_taolen_3_gourmandise.JPG

Kidonk, kè Michel Nobletz yo, ki te fèt pou bay leson moral, nan travay al mache konvèti zòt, yo pa matche ak kè pèse Metrès Èzili a. Kè pèse Metrès Èzili a, okontrè, te prete nan senbòl kè pèse Mater Dolorosa a, ki reprezante doulè yon manman nan lanmò Jezi, pitit gason li. Pou rezon sa yo, ipotèz Benson an sou yon enfliyans breton sou vèvè yo, se radòt.

2.2.1- Orijin "kè" Èzili a

Epi, pandan l ap chèche yon sipò ekstèn pou l ka poze revizyon islamik li a, L. Benson te rapòte ke genyen yon relasyon ant Lavyèj Mari (ki mache ak adorasyon Sakrekè a) ak Miryam nan koran islamik la :
"We have on drapo what the Greeks and Romans understood as eros and thanatos, love and war, Venus and Mars, Sin Jak-Ogun and Sin Mari-Ezuli. (Perhaps it is not beside the point to remark that Miryam, the Virgin Mother of Jesus is honored in the Qur'an, Surah 19.)
(...) In Haiti, Ezuli's heart is sometimes quadrilled, sometimes pierced with swords, sometimes surrounded with reduplicated squares like those of Islamic hatumere (amulets) and Qur'an boards." (16)
Tradiksyon :
"Nou gen sou drapo yo, sa Grèk ak Women yo te konprann kòm eros ak thanatos, lanmou ak lagè, Venis ak Mas, Sen Jak/Ogun ak Sent Mari/Ezuli. (Petèt se pa deplase si nou remake ke Miryam, Lavyèj, manman Jezi, yo onore l nan Koran an, Sourat 19).
(...) An Ayiti, kè Ezuli a pafwa kadwiye [kidonk gen kawo], pafwa li pèse ak epe, pafwa li antoure ak kare ki repete tankou sila yo ki nan hatumere (pwotekson majik) islamik yo ak nan planch koranik yo."
Men, "Lafrik" tradisyonèl chaje ak senbòl ki pi ansyen pase islam. E yo jwenn anpil nan senbòl sa yo an Ayiti. Kontrèman ak sipozisyon islamik san prèv LeGrace Benson la, kozalite (kidonk lyen) ki genyen ant "Lafrik" tradisyonalis ak Ayiti, li klè. Annou pran egzanp sou senbòl kè a ki parèt nan vèvè Lwa Èzili Freda Dawomen an :




(Divès vèvè pou Èzili,  Èzili Gwètò ak Èzili Mapyang)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. pp.235, 237, 233.

Jan non li sijere l, Lwa Èzili Freda Dawomen soti nan ansyen Wayòm Dawomen (nan peyi Benen). Lwa sila se yon vèsyon kreyòl de yon Vodun (Lwa) Dawomeyen ki rele Azili. (E kontinye gen Lwa ki rele Azili an Ayiti, tankou : Agwe Tawoyo Azili Menfò oswa Azili Kanlikan.) Epi nan non Freda a, li reprezante gwoup etnik Fweda (Fouéda oswa Couéda) a ki nan Dawomen.
Epi natirèlman, nou jwenn kè a Èzili Freda Dawomen kòm anblèm Béhanzin, Wa nan Allada (Alada), nan Benen/Dawomen :


(Wa Alada oswa Dawomen, ak kè Ezili a, ki se ensiy wayal li)
Sous : "Le roi d'Allada (1900)" ; Fonssagrives, Jean Baptiste Joseph Marie Pascal. Notices sur le Dahomey ; publiée à l'occasion de l'Exposition universelle. - New York Public Library. ; URL : http://digitalgallery.nypl.org/nypldigital/id?1161494


2.3- Senbòl Sèpan sakre a ak eritaj Dawomen an

Nan mwa janvye 1967, revizyonis ayisyen Alexis Gerson te ekri, san li pa janm pwouve li, ke Danmbala, Lwa koulèv la, ta dwe soti nan gwoup etnik Mandeng la, epi li ta dwe mizilman. E se sa k fè li te ekri non Lwa a Damb-Allah (Danmb-Allah), jan anpil anvan li te fè :
"Un nom de dieu comme Damb-Allah est une formation mandingue." (17)
Tradiksyon :
"Yon non lwa tankou Damb-Allah se yon fòmasyon Mandeng."
Sètènman, apre islamizasyon (kidonk, lè yo te konvèti nan islam nan), mo arab "Allah" a, ki vle di "Bondye", te antre nan kilti Mandeng yo ki te vin di "Ala" nan lang yo. Men, ki sa yo ka di sou "Damb" oswa "Danm"? Èske li vle di "koulèv" nan lang Mandeng, jan Alexis Gerson te fè konnen an? Sètènman pa. Nan lang Mandeng, "sèpan" oswa "koulèv", yo rele li "saa", "cápáti", "kaŋkuŋ" oswa "jambakatansáa" (18) Kidonk, Alexis Gerson te fè fot. Konbinezon "Damb" + "Allah" pa vle di anyen menm nan lang Mandeng. Konbinezon ki pi pre de "Sèpan Orijinèl" la, nan lang Mandeng (Banmbara, pou nou pi egzak), se Masa Dembali (Masa Danmbali), ki vle di "Mèt san fen ke yo pa t kreye a", ki se yonn nan non Maa Ngala, Mèt Tout Bagay la, Bondye Kreyatè a, nan relijyon tradisyonèl gwoup Banmbara, Malinke oswa Mandeng la. (19)


2.3.1- E Pyè Danmbara, menm?

Pandan y ap prese, revizyonis yo te neglije lefètke an Ayiti, Lwa Danmbala a gen non Danmbara (Dambara) tou. Espesyalman nan Nò a, ki se zonn ki te fè seremoni Bwa Kayiman an ak levekanpe nètalkole nan lane 1791 la :


"Dans le Nord, par exemple, à Nan Campêche, [proche du Morne Rouge] on dit Papa Dambara." (20)
Tradiksyon :
"Nan Nò a, pa egzanp, nan Nan Kanpèch, [toupre Mònrouj] yo di Papa Dambara."
Me yon nòt ki ekri sou yon chante sakre pou Lwa Sen (St.) "Pierre Dambara". Nòt sila date 28 fevriye 1937, e li soti nan komin Plezans (Plaisance), Nan Nò Ayiti :




(Nòt ki gen rapò ak Lwa St. "Pierre Dambara" nan 1937)
Sous : Alan Lomax, "St. Pierre Dambara, moune derriere chita 'tend moin." ; URL : https://www.loc.gov/resource/afc9999005.29626.0

Menm jan an tou, apre ankèt li an Ayiti nan lane 1970 yo, otè Jean Kerboull te repete anpil fwa : Lwa/Jany "Dambara", "Papa Dambara", "Pierre Dambara", "Dambara Ouedo" oswa "Pierre Dambara Ouedo". (21) Men, piske ka rive, nan kreyòl ayisyen an, ke yon "r" ka defòme an "l"; oswa lenvès. Konsa, prezans non "Dambara" a pa garanti ke "Danmbala" pa non orijinal la. Sa mande nou fouye pi fon.


2.3.2- Dan/Odan

Devan pwoblèm sa, repons revizyonis yo, se toujou : Damballah vle di "Bondye Koulèv" paske "Dan", nan lang Fongbe (lang gwoup etnik Dawomen yo rele Fon an), vle di Koulèv sakre. E ke yo ba l yon lòt non ki se "Dangbe". Malgre ke se vre, 2 agiman sa yo pa di tout koze a. Paske, ni "Dan" (ke yo bay lòt non ki se Odan an Ayiti), ni "Dangbe" pa pwodwi son "Danmb" nan, nan lang kreyòl. Kidonk, pou ipotèz islamik la ta kredib, li nesesè pou son "Danmb" la vle di "koulèv" pou ke konbinezon l ak son "Allah" a vle di "Bondye Koulèv". Li evidan ke se pa sa.
Me, sou miray yon tanp nan Benen (ansyen Da-women), desen koulèv sakre a ke yo rele Da, Dan oswa Dan-gbe :


(Penti Vodun Da a nan Benen (Dawomen))
Sous : Christoph Henning, Klaus E. Müller, Ute Ritz-Müller. Afrique-La magie dans l’âme : rites, charmes et sorcellerie. Könemann, 2000. p.272.

Me menm chema a nan yon vèvè ayisyen pou Danmbala Wedo :
 (Vèvè Danmbala Wedo An Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.584.

Epi, revizyonis yo pa pale tou de "Wedo", ki se dezyèm pati nan non "Danmbala Wedo" a. Ki sa "Wedo" vle di nan lang Arab, Mandeng, oswa nan lang nenpòt lòt pèp ki vin tounen mizilman? Nou deja konnen repons la : anyen menm. Enben, annou vanse.


2.3.3- Ayida Wedo

Nan Benen, Dan, Koulèv sakre a (oswa fòm doub li ki se Aido Hwedo, Sèpan Lakansyèl la), yo souvan reprezante l pou kont li, ap mòde lake li, san sipò okenn lòt Vodun (Lwa) :


"Aido Hwedo, with cult-objects used in the worship of Da, as represented in appliqué cloth." (22)
Tradiksyon :
"Aido Hwedo, [Ayido Wedo] ansanm ak zouti konsakre yo ki itilize nan rit Da, jan sa parèt nan twal ak kolaj."


(Koulèv sakre nan Dawomen, nan tamp pou Zumadunu (Zamadòn nan sèvis ayisyen an))
Sous : Melville Jean Herskovits. Dahomey An Ancient West African Kingdom. New York, 1938. p.224-225. fig.35.

Men, yon erè egziste. Paske, an Ayiti, yo sitou montre Danmbala ansanm ak madanm li (oswa doub li), Koulèv Lakansyèl sakre, Ayida Wedo :


 (Vèvè pou Danmbala Wedo ak Ayida Wedo an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.172.

Sepandan, Anblèm Béhanzin, Wa Dawomen an, byenke sa pa gen anpil tan depi li fèt, li sanble anpil ak stil Ayisyen an :
(Anblèm Béhanzin, Wa Dawomen)
Sous : Victor-Louis Maire, Dahomey : Abomey, décembre 1893 – Hyères, décembre 1903, A. Cariage, Besançon, 1905.


E menmsi pèsonn pa ka nye ke non Ayida Wedo, Koulèv Lakansyèl Ayisyen an, soti dirèkteman nan Aido Hwedo, ki se Koulèv Lankansyèl Dawomen an, men ki sa nou ka di de non Danmbala Wedo a? Kote prèv dirèk ki konekte Lwa ayisyen Danmbala Wedo a ak Dawomen? Se sa nou pral wè.

2.3.4- Orijin non Danmbala Wedo a

Nou t ap atann ke pou pwouve orijin non "Danmbala" a, sa ta mande konesans mistik ki pi avanse a. Men, pa ditou. Pou nou jwenn orijin Danmbala Wedo, okenn leson nan "mistik" oswa nan "kabalistik" pa nesesè. E sitou, sa pa mande magouy ki se defòme Danmbala an "Dambalah", "Damballah", "Dambhalah", "Danbalah", oswa an sa m pa konnen. Se jis voye je nan liv antwopològ Melville J. Herskovits sou Dawomen, ki se nesesè pou nou jwenn repons la defile anpil fwa anba je nou :


"Two of the dancers, who wore chief's caps and were garbed in white, represented Dambada Hwedo, the ancient ancentors...." (23)
Tradiksyon :
"De nan dansè yo, ki te mete kwaf chèf la e ki abiye an blan, te reprezante Dambada Hwedo, ansyen zansèt yo..."
(...)


"It may be assumed that the spirit, in this instance, is Dambada Hwedo, a powerful deity of the ancestral cult believed to reside in great trees." (24)
Tradiksyon :
"Nou ka sipoze ke lespri a, nan egzanp sila, se Dambada Hwedo, yon lespri pwisan nan sèvis zansèt la ki rete nan gwo pyebwa yo."
(...)


"These six, after a few moments of their dance, retired to the background to give place to one who represented Dambada Hwedo, so that he might dance for the oldest, the most powerful, but unknown ancestors who merged in this deity." (25)
Tradiksyon :
"Sis sa yo, apre yon ti moman nan dans yo, te rale kò yo pou yo fè plas bay sila ki reprezante Dambada Hwedo a, pou li ka danse pou zansèt ki pi ansyen yo, ki pi pwisan yo, men ki se zansèt yo pa konnen yo, ki melanje ansanm nan lespri sila."
(...)


"The ancestral cult, as described thus far, consists of the worship of the deified ancestors, the txodu, who, seperated into sibs, are headed by their various tohwiyo. Even more powerful than these tohwiyo, because older, but less feared because more generalized, are the oldest ancestors, the spirits of those whose names are no longer known by their descendants, subsumed in the character of Dambada Hwedo." (26)
Tradiksyon :
"Sèvis zansèt la, jan nou dekri li jiskaprezan, fèt nan adorasyon zansèt ki deyifye yo, txodu yo, ki, sepere pa fanmi, yo dirije pa plizyè tohwiyo pa yo. Menmsi, yo pi pwisan ankò ke tohwiyo sa yo, paske yo pi ansyen, men yo fè mwens pè paske yo pi jeneral, yo se zansèt ki pi ansyen yo, lespri ke desandan yo (kidonk pitit pitit yo) pa sonje non yo ankò, yo vin antre nan pèsonaj Dambada Hwedo a."
N ap pale de "Dambada Hwedo", ke yo pi respekte nan tout Vodun Dawomen yo, menm jan ak Dan, Koulèv la, oswa Aido Hwedo. Li reprezante yon fizyon (oswa yon melanj total kapital) de tout Lespri (Vodun) ansyen yo ; ansanm ak yon melanj de tout zansèt ki mouri depi si tèlman lontan ke desandan yo rive bliye non yo.
Atravè jenerasyon yo, nan Sendomeng/Ayiti, poutèt melanj tout kalte gwoup etnik yo, yon defòmasyon nan non "Dambada Hwedo" vin bay "Danmbala Wedo", Pierre Dambara, elatriye. Sepandan, nannan Lespri sakre Dawomen sila rete entak an Ayiti : rad blan sèvitè yo, respè ki pa gen kanmarad, Koulèv primòdyal (kidonk ki te la nan premye tan an) ki te patisipe nan kreye mond la, elatriye.
Men, pou nou pi presi, non Lwa/Jany Ayisyen "Danmbala" a, nou dwe dekoupe l konsa :
Dan + M'Bala
oswa
Odan + M'Bala
Paske li soti nan melanj "Dan", ki se Koulèv-Lakansyèl Danti Dawomeyen yo, ansanm ak "M'Bala", ki se Koulèv-Lakansyèl Danti pèp Baluba (Balouba) nan Kongo a. Nou dwe di tou ke non konplè Lespri Baluba sila, se Mwanza M'Bala oswa Mwanzambala (Mwanzanmbala). Li se yon mal, epi N'Kangi, se doub femèl li.


"Mais, de cette Eau répandue sur la Terre, s'élevèrent les Souffles des deux Serpents mâle et femelle, Mwanza m'Bala et N'Kangi.
Leurs Souffles, montant en l'air, s'y conjugèrent, formant l'Arc-en-Ciel, dont le nom est « Mwanza n'Kongolo »." (27)
Tradiksyon :
"Men, nan mitan Dlo sila ki t ap repann sou Latè, te soti Souf de Koulèv, mal ak femèl, Mwanza m'Bala ak N'Kangi.
Souf yo, k ap monte nan lè a, te rankontre, pou yo fòme Lakansyèl la, ki gen non "Mwanza n'Kongolo"."
Kidonk, Lwa Dawome Dan ak Aido Wedo te vin modifye yon tikal nan Sendomeng, nan koup sakre Danmbala ak Ayida Wedo a. Piske se konsa yo te ka reprezante Mwanza M'Bala ak N'Kangi, koup sakre Baluba sila, ki fè Lakansyèl ak Souf sakre yo. Konsa, se sa k te bannou son "Ala" a, nan DanMBala.***



3- Kawo tradisyonèl yo ak swadizan planch koranik elèv lekòl

Dapre LeGrace Benson, senbòl ki gen fòm kawo ak lozanj nan vèvè ak drapo konsakre yo sipoze mizilman. Li pran egzanp sou kawo ak lozanj kawote ki nan vèvè Lwa Azaka a (ki soti Savalou nan Benen tradisyonalis) ak Ogun Badagri (ki soti nan Badagri nan Nijerya tradisyonalis) :
(Vèvè Azaka Mede ki gen kawo tè ki plante)

(Vèvè Ogoun Badagri ki gen kadriyaj)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. pp.323, 254.

Dapre li (Benson), kadriyaj sa yo, ke li admèt ke yo te jwenn toupatou atravè lemond, e menm nan banyèr militè ansyen kolon franse yo, sèlman ka soti nan islam :
"It is true that repeated squares and lozenges are a motif found all over the world, and certainly on French military banners; but there remains the density and elaboration of the motif. The resemblance of some of the earlier drapos to number squares on Qur'an boards is striking. When we recall that such mystical square diagrams were on battle amulets, furthermore that the imams used the washings from the boards as healing potions for animals and humans, appearance of the squares on the drapo, at the site of a religion focused on winning freedom and curing sickness should almost be expected.
The mystical quadrille appears on flags and veve (symbols drawn on the ground at the beginning of a Voudou service) for Ogun Badagris and Papa Zaka." (28)
Tradiksyon :
"Se vre ke kawo repete ak lozanj se yon chema ke yo jwenn toupatou nan lemond, e sètènman nan banyèr militè franse yo; men, rete kantite chema sa yo ak jan yo gen detay la. Resanblans kèk nan premye drapo yo ak kare ki gen chif ki sou planch koranik yo, anpil. Lè nou sonje ke dyagram ak kawo mistik sa yo te pwoteksyon majik nan batay, anplis de sa ke imam yo te konn itilize dlo yo lave planch sa yo tankou remèd pou bèt tankou pou lezòm, aparans kawo yo nan drapo [Ayisyen], nan yon relijyon konsantre sou genyen libète ak geri maladi, nou ta dwe prèske atann nou de sa.
Kadriyaj mistik la parèt sou drapo ak veve (senbòl yo trase atè nan kòmansman yon sèvis Voudou) pou Ogoun Badagris ak Papa Zaka."
Dapre Benson, enspirasyon twil ayisyen yo soti nan kare ki gen chif sa yo, ke yo jwenn nan planch koranik elèv lekòl :



Sous : http://www.iub.edu/~iuam/online_modules/islamic_book_arts/exhibit/writing_implements/writing_board_from_nigeria.html ; Vizite nan jounen 30 novanm 2017.


Sous : https://www.pinterest.ca/martinvorwerk/quran-prayer-boards/  ; Vizite nan jounen 30 novanm 2017.

Nou pa bezwen di ke LeGrace Benson, nan plis pase 1 ka syèk (kidonk 25 an) rechèch, pa rive jwenn yon kopi planch koranik la an Ayiti, ni dokiman nan achiv ki pale de li. An reyalite, revizyonis la pa t bezwen toumante tèt li pou anyen. Paske siyifikasyon "kawo" yo chita nan vèvè Ogoun Badagri ak sitou nan vèvè Lwa Azaka. E sa pa pi konplike pase sa. Kawo yo jis reprezante karaktè peyizan 2 Lwa sa yo :
"Cette source des carreaux se reproduit encore dans le vèvè du mystère voudoo qui est le ministre de l'agriculture et de l'intérieur dans la hiérarchie gouvernementale du voudoo : Azaca Médeh (…) Ainsi, le carreau de terre, venant de cette source divine, a remplacé toutes les autres mesures, en Haïti : acre, hectare, mètre, pied, pouce. Les paysans - qui relèvent du mystère-paysan Azaca - mesurent leurs terres par carreaux." (29)
Tradiksyon :
"Sous ki bay kawo yo kontinye parèt nan vèvè mistè voudoo ki se minis lagrikilti ak lenteryè nan yerachi gouvènman voudoo a : Azaca Médeh (...) Konsa, kawo tè a, ki soti nan yon sous sakre, te ranplase tout lòt mezi, an Ayiti : akr, hekta, mèt, pye, pous. Peyizan yo - ki nan lòd mistè-peyizan Azaca a - mezire tè yo pa kawo."
Kidonk, an Ayiti, yo mezire tè pa "kawo", kote 1 kawo vo 1,29 hekta (30) dapre abitid ki anplas, e ki soti nan ansyen koloni franse a. Konsa, kawo yo parèt anpil nan vèvè ak drapo Lwa sila yo ki gen rapò ak lagrikilti. Se nan pèspektiv sila ke apade "kawo" tè, tout bagay ki gen rapò ak kiltivatè (zouti, rad, aksyon, aksan, tabak, alkòl, manje, koutim) vin dekore vèvè ak drapo Azaka, ke yo rele Kouzen, dapre abitid peyizan yo. Epi madanm li, yo rele l Kouzin :
(Zouti agrikòl, alkòl, tabak ak zafè peyizan ki nan vèvè Azaka alyas Kouzen Zaka)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. pp.322, 326.

Lè yon sèvitè (oswa gran pratikan) pran pa Enèji sakre ki se Azaka, li vin mete rad Jany/Lwa agrikilti sila. Epi li vin tounen yon peyizan k ap fimen pip, k ap manje manje Lwa abitan an. E nan manje sa, gen alkòl prefere Lwa a (yon bagay ke islam entèdi) :


(Sèvitè ke Mistè Azaka a monte oswa posede, e ki kenbe boutèy alkòl li)
Sous : Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. fig.29. p.208-209.

Jan nou te esplike l an detay nan yon atik ki rele : Azaka pa mizilman, Lwa/Jany Azaka a soti nan Savalou, yon rejyon tradisyonalis kote gwoup etnik Mahi (Mayi) a rete, nan peyi yo rele Benen konnyè la.


(Savalou, Benen)
Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Savalou


Kanta pou Lwa/Jany Ogoun Badagri a, li fè pati de tradisyon Yoruba/Nago yo k ap viv nan Nijerya ak Benen. Epi, pou n pi presi, n ap di Lwa sila soti nan vil tradisyonalis yo rele Badagry (Badagri) a, nan peyi yo rele Nijerya jounen jodiya (toupre fwontyè l ak Benen).


(Badagry. Nijerya)
Sous : https://fr.wikipedia.org/wiki/Badagry



4- Kawo yo ak mask "Kagba" Senoufo yo

Apa plante jaden, senbòl kawo a gen lòt siyifikasyon pou anpil nan gwoup etnik ki te peple Ayiti. Kaptif (esklav) yo ki te soti nan Kongo, nan "Lafrik" Santral, yon teritwa tradisyonalis, te yonn nan yo. 2 anons ki te fèt nan lane 1774, apati de prizon nan Fort Dauphin an (ki vin Fòlibète), te dekri 2 kaptif (esklav) ki te fèk rive soti nan Kongo ak mak etnik yo ki gen "fòm kawo" e menm ki gen "fòm kwa" :


 "Le 15 [juillet] (…) un autre Nègre de même nation, sans étampe, ayant des marques de son pays sur l’estomac en forme de croix, et sur le ventre en forme de carreaux." (31)
Tradiksyon :
"Le 15 [Jiyè] (...) yon lòt Nèg de menm nanchon an, san mak fè, li gen mak peyi li sou lestomak li an fòm kwa, epi sou vant li an fòm kawo."
"Le 24 [juin], un Nègre nouveau, même nation [Congo], sans étampe, ayant des marques de son pays en forme de carreaux." (32)
Tradiksyon :
"Le 24 [jen], yon Nèg nouvo, menm nanchon [Kongo], san mak fè, li gen mak peyi li an fòm kawo."
Kidonk, kaptif (esklav) sa yo ki te byen fyè gen mak "an fòm kawo" ak "an fòm kwa" sou yo, pa te mizilman. Epi, ke yo te desinen mak nanchon yo nan vèvè Azaka, Ogoun Badagri, ak lòt Lwa/Jany, sa pa yon bagay ki totalman enposib. Men, yon revizyonis tankou LeGrace Benson pa bezwen konnen anyen de enfòmasyon sa yo. Li twò okipe nan chèche konekte kawo ki genyen nan vèvè Ayisyen yo ak mask Kagba pèp Senoufo ki swadizan "mizilman" nan peyi Kotdivwa :
"The mystical quadrille appears on flags and veve (...) and in the Islamicised Senufo district of Cote d'Ivoire, where it is known as Kagba." (33)
Tradiksyon :
"Kawo mistik la parèt nan drapo ak vèvè yo (...) epi nan distrik senegalè mizilman nan Kotdivwa yo, kote li gen non Kagba."
Men, èske sa l di a vre? Annou gade. Me sa L. Benson rele "Kagba" a, san li pa t dekri li. Se mask li ye :


(Mask Kagba Senoufo yo)
Sous : http://www.randafricanart.com/Senufo_Kagba.html

Mask Kagba sa yo pa gen absoliman anyen arevwa ak moun Senegal, kontrèman ak sa revizyonis la te di. Mask sa yo se pwopriyete gwoup etnik Senufo nan Kotdivwa a. Me, yon jan de bonèt, ki se sèl bagay senoufo ke nou rive jwenn ak kawo ladan l :


(Bonèt senoufo ak kawo)
Sous : Metropolitan Museum of Art, NY ; URL : http://www.randafricanart.com/Senufo_firespitter_reference_examples.html

Li evidan ke kawo sa yo pa ranje menm jan ak kawo majik mizilman yo. Sa vle di ke, sou pwen sa, LeGrace Benson te fè fot. Anplis de sa, mask Kagba yo se zafè Poro, ki se sosyete ki inisye Senoufo tradisyonalis yo.


4.1- Kiyès ki Senoufo yo? E èske yo gen yon koneksyon ak Ayiti?

Senoufo yo ap viv nan yon zòn ant Kotdivwa, Mali, Boukina Faso, ak Gana. Men, pi fò nan popilasyon yo rete nan Nò peyi Kotdivwa ak nan Sid Mali :


 (Teritwa Senoufo)
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Senufo_people#/media/File:Senufo_languages.png

Nan Sendomeng (Ayiti), ekriti yo montre ke Senoufo yo te rele tèt yo Taguana (Tagwana) oswa Guiminy (Gimini) :


"À Saint-Louis, le 13 de ce mois, est enré à la geole, un nègre, nation Taguana, étampé sur le sein gauche SVRAV, et le reste illisible, taille de 5 pieds 2 pouces, borgne de l'oeil droit, se disant appartenir à M. Surau, habitant à Cavaillon." (34)
Tradiksyon :
"Nan Senlwi, nan 13 mwa sila, yo te mennen nan prizon an, yon nèg, nanchon Taguana, li tanpe SVRAV sou tete gòch li, epi nou pa ka li rès la, wotè li 5 pye 2 pous, li avèg nan je dwat, li di li se pwopriyete Msye Surau, k ap viv nan Kavayon." 
"Un Nègre, nommé Hector, nation Guiminy, étampé sur le côté droit CD, taille de 5 pieds. Ceux qui le reconnaîtront, sont priés de le faire arrêter & d'en donner avis à Mde la veuve Premiacque, Habitante à Bricourt, Quartier de Saint-Louis. Ledit Negre est rouge, & a les pieds brûlés." (35)
Tradiksyon :
"Yon Nèg, yo rele Hector, nanchon Guiminy, li tanpe CD sou bò dwat li, wotè li 5 pye. Sa ki va rekonèt li, yo mande yo fè arete l, epi voye di sa bay Madan Premiacque, k ap viv nan Brikou, nan Katye Senlwi, Nèg la wouj, epi pye li boule."
Kidonk, y ap pale de "Sénoufo du Sud" (Senoufo nan Sid) yo, ki vle di Senoufo ki rete nan Sant ak Nò peyi yo rele Kotdivwa jodiya. Yo separe an 2 gwoup, Tagwana (Tagouana) yo ki nan Lwès, epi Djimini yo ki nan Lès. Teritwa Senoufo sila vin gen non "Cercle des Tagouanas" (kidonk, sèk Tagwana yo) nan tan administrasyon kolonyal Lafrans te fè nan Kotdivwa :





(Sèk Tagwana yo, 1921)
Sous : A. Chartier. "Le Cercle des Tagouanas" In : ‪Renseignements coloniaux, No.11. In : L'Afrique française‬: ‪bulletin mensuel du Comité l'Afrique française et du Comité du Maroc‬, Volume 31. Paris, 1921. p.251.

Kontrèman ak deklarasyon Benson an, Senoufo nan Kotdivwa yo (Tagwana ak Djimini) te pi fò "animis" oswa moun nou rele tradisyonalis jodiya. (36) Plis nan yo te nan relijyon zansèt yo, nan pa si lontan pase sa, dapre obsèvatè sila, nan lane 1921 :
"Le cercle des Tagouanas [Territoire administratif de la Côte d'Ivoire] comprend deux sortes de populations différentes par la race et les aptitudes :
1° Les Djiminis et les Tagouanas, branches cousines de la race Sénoufo dont le centre est à Korhogo; ce sont des indigènes frustes, laborieux, très attachés au sol.   
2° Les Mandés-Dyoulas, appelés communément « Dyoulas », appartiennent à la grande race soudanaise des Mandingues ou Mandés;
(…)
Les Dyoulas sont musulmans, tandis que les Djiminis et les Tagouanas ont leur religion basée sur le culte et la puissance des morts et sont profondément animistes." (37)
Tradiksyon :
"Sèk Tagouana yo [Teritwa administrasyon nan Kotdivwa] gen de kalte pèp ki diferan nan ras ak nan kapasite :
1° Djimini ak Tagouana yo, ki se branch kouzen nan ras Senoufo a, e ki gen sant li nan Korhogo; yo se natif natal ki rèk, travayè, atache anpil nan tè a.
2° Mande-Dyoula yo, ke yo rele souvan "Dyoula", fè pati nan gwo ras Soudanè Mandeng yo oswa Mande ;
(...)
Dyoula yo mizilman, pandan ke Djimini ak Tagouana yo gen relijyon yo ki baze sou adorasyon ak pouvwa moun ki mouri yo, epi yo pwofondman animis."
Epi otè a ajoute pi lwen :
"Les croyances des indigènes non-musulmans du cercle des Tagouanas sont les suivantes : 1° Ils croient à l'existence d'un Dieu créateur qu'ils appellent « Niéguéré » ou Niéguéré-Boro (dialecte djimini). (...) Ils ne croient pas à son intervention directe dans les choses de ce monde ; ils ne croient pas non plus comme les musulmans au paradis, à l'enfer et au purgatoire. Aux islamisés qui tentent de les convertir, les Djiminis et les Tagouanas répondent qu'ils ne veulent pas aller au ciel, parce qu'ils y seraient seuls sans leur parents, qu'ils s'y ennuieraient et y seraient malheureux. 2° La croyance à une autre vie et à l'ingérence des mânes des ancêtres revivant ensemble dans un même endroit, pensant et gouvernant tous les vivants, constitue la base de la religion des non-musulmans. Ce sont donc des animistes..." (38)

Tradiksyon :
"Kwayans natif natal ki pa mizilman nan sèk Tagouana yo se : 1° Yo kwè nan egzistans yon Bondye kreyatè yo rele "Niéguéré" oswa Niéguéré-Boro (nan dyalèk Djimini). (...) Yo pa kwè nan entèvansyon dirèk li nan bagay lemond ; yo pa kwè tou tankou mizilman yo nan paradi, nan lanfè ak nan pigatwa. Djimini ak Tagouana yo reponn mizilman ki eseye konvèti yo ke yo pa vle ale nan syèl la, paske [nan paradi] yo pral pou kont yo, san fanmi yo, ke yo pral anniye yo, epi yo pral tris. 2° Kwayans nan yon lòt lavi ak entèvansyon lespri zansèt yo ki reviv ansanm nan yon sèl kote, ka panse ak gouvène tout sa k vivan, se baz relijyon sila yo ki pa mizilman yo. Konsa, yo se animis…"
Yon lòt otè ki pi nouvo, pale nan menm sans la :
"Cette religion [Sénoufo] s'inspire d'une cosmogonie organisée autour de deux divinités: Koulo Tyolo, assumant un rôle de transcendance, et Ka Tyelo, reconnue comme la Mère du village chargée de la consolidation de l'essence de l'être et de la substance de la chose ainsi que de celle de leurs rapports." (39)
Tradiksyon :
"Relijyon [Senoufo] a enspire l de yon kosmogoni ki òganize sou baz de divinite : Koulo Tyolo, ki gen yon wòl nan transfòmasyon mistik, ak Ka Tyelo, ke yo rekonèt kòm Manman vilaj la e ki responsab pou konsolide nannan moun yo ak sibstans bagay la ansanm ak relasyon yo."
Islam te antre kanmenm lakay yo. Men nan ta anpil. E li reprezante 25% nan popilasyon "Senoufo nan Sid" yo, ki se majorite. (40) Epi, dapre menm otè a, plis islam ap pran chimen, plis pran diminye enflyiyans sosyete inisyasyon Poro a, ki te konn jere sosyete a. E sa k pi bèl la, se ke LeGrace Benson di mask Kagba Senoufo yo mizilman, lè an reyalite, islam kontribye nan disparisyon sosyete inisyasyon tradisyonèl yo ki te konn fè mask yo.


4.2 - Chèf Tè yo ak eritaj Senoufo a

Senoufo tradisyonalis yo santre sou "tè a ke yo idantifye tankou yon manman ki bay manje, ki gen yon plas enpòtan nan travay metafizik ak nan chante agrè yo." (41) Yo itilize premye moun ki rete sou tè yo, ke yo rele "Chèf Tè", kòm entèmedyè nan kominikasyon yo ak manman Latè :


 "3° Ces ancêtres sont les premiers occupants du sol, qui sont appelés Dougo-uKolotigni ou chefs de la terre.
Le premier occupant du sol était dans chaque grande tribu à la fois un personnage politique et un personnage religieux ; lui seul avait le droit de faire les sacrifices rituels et tous les indigènes venus ensuite s'installer dans le pays devaient s'adresser à lui avant d'occuper et de mettre en valeur une parcelle du terrain. Le pays habité s'étendant, le chef de terre délégua à d'autres le pouvoir de faire des petits sacrifices et les chefs de terre augmentèrent sans toutefois devenir très nombreux. Ce sont les personnages importants et vénérés; un véritable culte est rendu à la terre par leur intermédiaire; cette croyance est très compréhensible chez des populations uniquement agricoles et très attachés au sol.
Cette religion est générale en pays Djimini et Tagouana dans les deux subdivisions de Dabakala et de Darakolondougou." (42)
Tradiksyon :
"3° Zansèt sa yo se premye moun ki te rete nan yon tè, yo rele yo Dougo-uKolotigni oswa chèf tè yo.
Premye moun ki rete nan yon tè, te, nan chak branch fanmi, an menm tan yon gwo moun nan politik ak nan relijyon ; li sèl te gen dwa fè sakrifis sakre yo, epi tout natif natal yo ki te vin rete nan peyi a te dwe adrese yo a li anvan yo okipe ak devlope yon bout tè. Kòm peyi a vin agrandi, chèf tè a lage nan men lòt moun pouvwa fè ti sakrifis yo, epi chèf tè yo te ogmante, san, sepandan, yo pa t vin anpil. Se moun ki enpòtan e ke yo venere; yo bay tè a yon bon jan adorasyon nan entèmedyè chèf tè yo; kwayans sila li nòmal lakay pèp ki sèlman fè agrikilti epi ki atache anpil nan tè a.
Relijyon sa jeneral nan peyi Djimini ak Tagouana, nan de divizyon Dabakala ak Darakolondougou yo."
Tradisyon sa rete an Ayiti, kote "Chefs de la Terre" sa yo rele Mèt Bitasyon, kidonk, Chèf Tè a. Epi pitit pitit yo jwenn respè, menm adorasyon, nan fason Senoufo a. Sa si tèlman fèt, ke kèk fwa gen abi, jan otè sila te remake li :


 "Mais, au-delà de l'avantage mentionné, j'ai eu aussi le malheur d'avoir vécu intimement au quotidien le gouvernement de ces êtres-dieux, ces grands et petits notables, paysans aux mains blanches « qui ne travaillent pas de leurs mains »,  conscients et confiants en leur toute puissance sociale, mystique et économique en tant que serviteur [chef spirituel traditionnel] et fils de Mèt bitasyon « maître de l'habitation », héritiers et gérants temporaires de la terre des loas. Ils exercent leur pouvoir absolu et arbitraire de vie et de mort sur leurs nombreuses femmes, leurs troupeaux d'enfants, leurs travailleurs, leurs hounsi « serviteurs » et les gens ordinaires de la localité. Ils règnent chacun dans leur lakou considérés comme leur petite république, autrefois et peut-être aujourd'hui encore, souveraine et indépendante." (43)
Tradiksyon :
"Men, apa de avantaj ke m te mansyone a, mwen te gen malè tou, ki se viv pwòch nan lavi regilye gouvènman moun-Bondye sa yo, gwo ak ti zouzoun sa yo, peyizan ak men blanch sa yo "ki pa travay ak men yo", ki konnen epi ki gen konfyans nan kokennchenn pouvwa sosyal, mistik ak ekonomik yo antanke sèvitè [kidonk chèf espirityèl], epi pitit Mèt bitasyon "mèt kay la", eritye ak jeran pou yon bout tan de tè lwa yo. Yo egzèse pouvwa absoli ak abitrè yo a sou lavi ak lanmò anpil fanm yo, bann timoun yo, travayè yo, hounsi "sèvitè" yo ak moun òdinè nan lokalite a. Yo chak renyen nan lakou yo ki tankou ti repiblik yo, nan tan lontan, e petèt jodiya toujou, ki souveren ak endepandan."
Mèt Bitasyon yo, se plis moun ki mouri, ki vin monte nan nivo Lwa, e ki toujou kole nan tè yo. Tradisyonalis yo salye yo chak jou nan priyè ak chante sakre tankou sa :


M anonse, Mèt Bitasyon, konnen mwen la e,
Anonse, papa Legba, konnen mwen la e,
Lavi a voye jete o, mwen la, o Legba, a Legba,
Alegba e, konnen mwen la e.

Anplis de wòl dominan Chèf Tè yo ak enpòtans yo bay Manman Tè a, Ayiti te konsève kont Senoufo sou kreyasyon lemond tou. N ap pale, rapidman, de yon kont Senoufo sou yon chasè yo rele Safazani, nan yon moman kote yo te fin chase tout sèpan jouk te rete yon sèl grenn. Safazani te ale nan kay dènye koulèv la pou l te touye l. Koulèv la te kòmanse chante, li te mande l pou l pa touye l. Men sa pa t mache. Safazani, chasè a, te fè lekontrè. Koulèv la, menmsi li te mouri, te kontinye chante, li te soupliye Safazani pou l pa t dekoupe l, elatriye. Apre Safazani te fin dekoupe epi manje Koulèv la, vant chasè a te vin sitèlman gonfle, ke li te fòse l bwè san mande rete. Apre sa, li te tèlman pipi ak poupou, ke sa te kreye mòn ak larivyè yo. Epi, "se konsa peyi Senoufo a te fèt." (Trad.) (44)
Yon vèsyon nan istwa tradisyonèl sila toujou rete nan kont Ayisyen yo. Sepandan, koulèv la ranplase pa yon kòk ki chante nan vant visye a ki te touye l, dekoupe l, kwit li, epi manje l la. Komedyen Alcibiade (Alsibyad) te fè yon adaptasyon radyo de kont ayisyen sila ki se yon eritaj Senoufo. Nan vèsyon li an, Alcibiade te vòlè yon kòk ke vwazen li, pwopriyetè kòk la, te "ranje" majikman. Epi, kòk majik la te pran chante nètalkole nan vant anfle sila yo ki te manje l la.

(Adaptasyon ayisyen de istwa kreyasyon lemond dapre Senoufo yo)
Sous : Desen : Plongaye ; Alcibiade. "Yo fè kòk chante nan vant Alcibiade nan vòlè" ; URL : https://www.youtube.com/watch?v=ijgBp0z5zrk
 
Kidonk, byenke tradisyon mask la pa t siviv an Ayiti (ak nan Zantiy yo), tradisyon fè sosyete pou inisye tankou sosyete Poro Senoufo yo, li byen konsève an Ayiti. Valè espirityèl, mete regleman ak moral ke sosyete Poro a te genyen, yo te konsève, epi adapte ak kontèks koloni a, ak kontèks apre koloni a, ki se Ayiti. Islam pa t ladan l.
 

4.3 - Senoufo yo, Nanchon Kaplawou ak vèvè yo

Senoufo nan peyi yo rele Kotdivwa kounye la, yo gen plas yo tou nan vèvè Ayisyen yo. Anpil nan Senoufo Tagwana yo te soti nan Katiola, epi anpil nan Senoufo Djimini yo te soti nan Dabakala. E yo te mennen yo anba kòd sou larivyè, jouk yo te rive nan pò esklav yo te rele Kap Lawou a (ki vin Grand Lahou).




(2 pi gwo vil Senoufo nan Kotdivwa yo ak pò esklav Grand-Lahou a)
Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Katiola ; https://en.wikipedia.org/wiki/Dabakala ; https://en.wikipedia.org/wiki/Grand-Lahou

Apati de pò sila (Kap Lawou), yo te anbake yo pou Lamerik. E lè yo te rive nan Sendomeng, kolon yo te gwoupe yo ak tout lòt kaptif (esklav) ki te soti nan rejyon an, anba yon non jeneral ki se Kaplawou (Caplaou, Capelaou, Caplahaoux, Capelão oswa Caplaon). Non sa siviv nan relijyon ayisyen an ki genyen Nanchon sakre Kaplawou a ladan l
Me yon vèvè Lwa Kaplawou. Pa gen yon ti zig bagay ki mizilman ladan l :


(Vèvè Kaplawou, an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.537.

Pentad, ki se senbòl ak ofrann par ekselans Lwa Kaplawou, toujou rete, jouk jounen jodiya, bèt prefere pou sakrifis, nan peyi Senoufo, nan Kotdivwa. Se bèt sila yo pi pito nan travay divinasyon ak nan sosyete inisyasyon Poro yo.**** Pentad, ke piblik ki vin fè sakrifis yo asosye ak richès, jwe yon wòl santral nan mistik ak nan kilti Senoufo an jeneral :


(Estati yon fi Senoufo ak cheve ki gen fòm pentad, nan Kotdivwa)
Sous : Africa Direct, 2015. ; URL : https://www.etsy.com/ca-fr/listing/559172632/maternite-senoufo-figure-stand-de-cote?ga_order=most_relevant&ga_search_type=all&ga_view_type=gallery&ga_search_query=senufo&ref=sr_gallery-3-8




(Fi Senoufo ki penyen nan fòm pentad)
Sous :  Hans Himmelheber. Negerkunst und Negerkünstler. Braunschweig, 1960. p.64 ; URL : https://www.pinterest.fr/pin/420171840214932772/

Nan nivo edikasyon, manman pentad la ponn ze li, toupatou, epi li kouve yo raman. Se poutèt sa, Senoufo yo mete ze pentad yo anba poul k ap kouve. Konsa, yon fwa pentad yo kale, ti pentad yo  swiv manman poul la nan mitan ti poul yo. Pou Senoufo yo, sitiyasyon spesyal sila montre ke edikasyon timoun, se pa responsablite manman an, men pa tout vilaj la.




(Reprezantasyon yon manman Senoufo)
Sous : Africa Direct, 2015.

Sou plan mistik, Senoufo yo, ki manm sosyete inisyasyon Poro yo, gade lefètke ti pentad yo toujou kite poul yo, pou y al rejwenn espès yo. Sa senbolize jèn fi ak jèn gason Senoufo a ki, apre li fin inisye, ap detache l de pil moun konsa konsa yo, pou l ka trase pwòp chimen li. Se sa k fè penyen senoufo nan fòm pentad la, ki rezève pou inisye (fanm ak gason), li reprezante chanjman espirityèl k ap fèt la. (45)


(Estati fanm ak gason Senoufo ak kwafi nan fòm pentad)
Sous : https://www.etsy.com/ca-fr/listing/541550613/paire-de-main-sculptee-de-figures-en

Finalman, pentad la, nan peyi Senoufo, li konekte ak bote fi. (46) Men li konekte tou ak konn fè fent :
"En pays sénoufo, la pintade est très rusée." (47)
Tradiksyon :
"Nan peyi Senoufo, pentad malen anpil."
Se menm karaktè malen sa ke yo bay pentad an Ayiti, kote :
"La pintade, difficilement apprivoisable, exprime ainsi dans la conscience historique une relation totémique la liant aux esclaves rebelles dont le comportement similaire a défrayé les chroniques coloniales (...) La pintade fait donc partie du mythe fondateur de la nation haïtienne. Hautement symbolique, elle possède des qualités singulières : ruse, habileté, dissimulation, rapidité, instabilité... Elle a un côté désagréable, dit-on, par ses cris incommodants et demeure une libertaire très encline au vagabondage. « Faire la pintade », c'est savoir se dissimuler, se faire oublier, comme l'exprime un dicton haïtien relatif à son éthologie. Le passage d'une lettre du capitaine-général Leclerc (beau-frère de Napoléon Bonaparte, chargé de l'expédition de Saint-Domingue), consacrée au rebelle Dessalines, en dit long sur la perception de l'animal en 1802 : «Colonel, depuis que je suis ici, je vis dans une espèce d'inquiétude, la même que celle qui hante Dessalines; ne dit-on pas de lui qu'il est aussi inquiet qu'une pintade poursuivie par un regard ? Entre lui et moi, les rapports évoluent, plus le temps passe, plus je ressemble moi-même à une pintade en proie à un renard nommé Dessalines »." (48)
Tradiksyon :
"Pentad, ke li difiisil pou yo donte, eksprime konsa nan konsyans istorik la yon relasyon totemik ki lye ak esklav rebèl yo ki te gen menm jan de konpòtman an, jan sa te pale nan jounal nan koloni a (...) Kidonk, pentad fè pati de mit fondatè nasyon ayisyen an.  Li senbolik anpil, li gen kalite inik : li gen fent, konpetans, konn kache, vitès, enstabilite... Li gen yon bò anbarasan, yo di, akoz de rèl deranjan l yo, epi li fanatik libète ak vagabondaj. "Fè pentad", vle di konnen kache tèt ou, fè yo bliye w, jan yon pawòl ayisyen sou etnoloji pentad di li. Bout nan yon lèt kaptèn-jeneal Leclerc (bofrè Napoléon Bonaparte ki te responsab ekspedisyon Sendomeng la), ki te konsantre sou rebèl Desalin la, te di anpil sou pèsepsyon yo te genyen de bèt la nan 1802 : "Kolonèl, depi m isit la, m ap viv nan yon jan de enkyetid, menm sila ki t ap kale Desalin la; èske yo pa di de li ke li gen enkyetid tankou yon pentad ke yon koutje ap swiv? Ant li ak mwen, relasyon an ap evolye, plis tan ap pase, plis m ap sanble ak yon pentad ke yon rena ki rele Desalin ap chase"."
Anplis de sa, li enteresan pou n remake ke Boisrond-Tonnerre (Bwawon Tonèr), ki te ekri tèks endepandans Ayiti a, limenm tou te konpare ajisman Janjak Desalin, ke li te sekretè li, ak ajisman yon pentad :
"Il [Dessalines] reçut de chacun les félicitations les plus captieuses pour tout autre que pour un homme qui, comme lui, joignait l'inquiétude de la pintade à la finesse du renard..." (49)
Tradiksyon :
"Li [Desalin] te resevwa nan men yo chak, konpliman ki pi rizèz pou nenpòt ki lòt moun ke pou yon nonm ki, tankou li, te makonnen enkyetid yon pentad ak délikatès yon rena..."
Konsa, endepandan nan karaktè epi anba chal anpil, pentad senbolize mawonaj, libète ak Revolisyon ayisyen an, ki te tradisyonalis. Rejim Duvalier a ki pretann li t ap kontinye Revolisyon ayisyen an, te pran pentad la pou anblèm nasyonal li. Men, byenke tonbe Duvalier a te fè Ayisyen yo lage pentad la atè, se si ke senbòl tradisyonalis nòb sila gen pou l rekanpe. Paske, dapre yon kont ayisyen, anpil moun te eseye eliminen pentad la, san siksè. Menm Bondye pa t reyisi touye li.*****


5- Chema tradisyonèl yo ak eritaj Sinigal la

Kontribisyon tradisyonalis Senegalè yo nan relijyon ayisyen an, se yonn nan bagay ki pi souzestime. Nan pil moun Senegal yo ke yo te bwote nan Sendomeng, te gen Wolof (Wolòf) (ke yo rele te Yolof, Jolofe, Yolef oswa Guiolophe nan Sendomeng). (50) Epi te gen Foula yo (ke yo te rele Poulard, Poular, Poula oswa Foulany nan Sendomeng). Foula sa yo, se yon pèp nomad ki gaye toupatou nan "Lafrik" de Lwès. Gen nan yo ke sa konfime ke yo te soti Senegal. (51) Te gen Sérère (Serèr) tou (yo te ekri non yo "Serrere" nan Sendomeng). (52)  Epi te gen Diola (Dyola) tou (yo te rele Diola, Guiola, Jalla oswa Ajamat nan Sendomeng). (53) Kanta pou lòt gwoup etnik nan Senegal yo, tankou Toucouleurs (Toukoulè) yo, yo kalkile nan non jeneral "Sénégalais" (Senegalè) a ; ki se yon non ki te mennen yon eritaj kiltirèl ak espirityèl konplèks epi divèsifye nan Sendomeng.
Revizyonis malonèt yo pretann kounye a ke Senegal te yon "teritwa islamik" nan tan koloni Sendomeng la :
"The mystical quadrille appears on flags and veve (...) It appears as well on the veve for the lwa (spirit) Boussou Sinbi, a lwa of the "Fanmi Senigal," again from Islamic territory, and on the costume for this lwa..." (54)
Tradiksyon :
"Kawo mistik la parèt nan drapo ak veve yo (...) Li parèt tou nan veve pou lwa (lespri) Boussou Sinbi, yon lwa nan "Fanmi Senigal" la, ankò ki soti nan teritwa islamik, epi nan kostim pou lwa sa..."
Si jodiya, nan 21yèm syèk kretyen an, Senegal se yon peyi mizilman, se pa t konsa menm, nan tan lontan. Paske nan tan koloni Sendomeng la, e menm apre endepandans Ayiti an 1804, pifò gwoup etnik Senegal yo te tradisyonalis, espesyalman Dyola yo, ki se dènye gwoup nan "Lafrik" de Lwès ki te konvèti nan islam. Gwoup etnik sila ki rete nan Casamance (Kazamans), nan Sid Senegal, te kenbe pratik zansèt li yo jouk dezyèm gè mondyal la (20yèm syèk kretyen) :
"While Muslims and Christians have been in contact with the Diola at least since the fifteenth century, there were few conversions before the late nineteenth century. On the north shore of the Casamance River, where contact with Islam was both earliest and most violent, many Diola have embraced Islam and, to a lesser extent, Christianity. The growth of these new religions, however, had to await the firm establishment of colonial rule and the growth of commerce in peanuts before gaining dominance over the traditional religion. On the south shore, the vast majority of the population resisted the advance of Islam and Christianity until after World War II. While Christianity has made substantial inroads, Diola religion remains dominant." (55)
Tradiksyon :
"Pandan ke mizilman ak kretyen yo te an kontak ak Diola yo omwen depi sèzyèm syèk la, te gen yon ti kal konvèsyon anvan diznevyèm syèk la. Nan pati nò larivyè Casamance la, ki se kote kontak ak islam te pi ansyen epi pi vyolan, anpil Diola te antre nan islam, epi, nan yon pi piti kantite, nan krisyanis. Sepandan, ogmantasyon relijyon nouvo sa yo te tann dominasyon kolonyal la chita fèm ansanm ak ogmantasyon komès pistach la, anvan yo te pran pye sou relijyon tradisyonèl la. Nan pati sid la, majorite popilasyon an te reziste avansman islam ak krisyanis jouk apre dezyèm gè mondyal la. Pandan ke krisyanis te fè gwo antre depi lè sa, relijyon Diola yo rete dominan."
Anplis de sa, nan Senegal, tankou nan lòt kote nan "Lafrik" de Lwès, relijyon tradisyonèl la te reziste islam jouk peryòd kolonyal yo a ki te rive nan fen 19yèm syèk kretyen an, (56) kidonk, plizyè deseni apre endepandans Ayiti.
Me yon vèvè Èzili Sinigal ke yo rele "fanm blanch". Èske li gen kawo ki soti nan planch koranik oswa nan lòt senbòl islamik ladan l?


 (Vèvè Èzili Sinigal, alyas "Fanm blanch")
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.218.

Konsa, pa gen anyen islamik ki parèt nan vèvè Èzili Sinigal la. E sa byen nòmal, paske nan peryòd anvan kolonizasyon Senegal la, se sèlman yon ti kouch nan lidè yo ki te chwazi islam, nan "Lafrik" de Lwès. (57) E kòm Ayiti te endepandan an 1804, epi enpòtasyon kaptif (esklav) la te sispann depi nan lane 1791, Nanchon Senegal la ta dwe fèt ak Senegalè tradisyonalis.


5.1- Senegalè yo ak mo arab yo

Kòm yo meprize prèv syantifik, fo istoryen yo pran di ke genyen kontribisyon lengwistik islamik ki soti nan Nanchon Senegal la (ke yo rele Sinigal, Senigal, Seneka, Senega, Senego, Sinigal, elatriye, an Ayiti) :
"A mambo reports that the lwa Senego says "As salaam aleikum" and that the phrase "a salaam alay" occurs in songs for Kongo lwa. Joan Dayan reports that an houngan in the Bel Air district of Port-au-Prince greeted her with "Salam Alechem." When asked about the saluation he replied that it was lagaj: that is, the liturgical language that includes a host of words from West Africa (Dayan 1995 xv).
The first captives brought into St.-Domingue were from Islamicised polities in what is now Senegal. Many later arrivals were also from the several parts of Sub-Saharan African that had been Islamicised from the ninth century. Islam required literacy coupled with the concomitant virtues of memorizing and being able to write out the Qu'ran, venerated both as scripture and as holy object. Moreover, there was widespread use of combined algebraic, geometric and calligraphic elements in divinations and in the making of hatumere - the healing and protection amulets." (58)
Tradiksyon :
"Yon manbo te rapòte ke lwa Senego a di "As salaam aleikum" e ke fraz "a salaam alay" a parèt nan chante pou lwa Kongo. Joan Dayan rapòte ke yon houngan nan distri Bèlè nan Pòtoprens te akeyi li avèk "Salam Alechem." Lè yo te kesyone l sou sa, li te reponn ke se te lagaj: kidonk, lang litijik la ki gen yon dal mo ki soti nan Lafrik de Lwès ladan l (Dayan 1995 xv).
Premye kaptif yo te mennen nan Sendomeng yo te soti nan zonn islamize nan kote ki rele Senegal jodiya. Anpil nan sila yo ki te rive pita yo te soti tou nan plizyè pati nan Lafrik nan Sid Sahara a ki te vin mizilman depi nan nevyèm syèk la. Islam te egzije alfabetizasyon ki makonnen ak bèl kalite konpòtman ki mache ak memorize epi kapab ekri Koran an, ki venere an menm tan tankou yon ekriti epi kòm zafè sakre. Anplis de sa, te gen toupatou yon lizaj jeneral de aljèb, jeyometrik ak kaligrafik ki melanje nan divinasyon ak nan fè hatumere yo - ki se bagay ki bay gerizon ak pwoteksyon."
Se vre ke Senegalè yo te yonn nan premye pèp yo te lage sou zile Ispanyola a, ki gen ladan l Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Toujou, se te nan Panyòl ke nou pa dwe konfonn ak kolonizasyon an reta ke Franse yo te fè nan pati Lwès zile a, ke Panyòl yo te abandone depi plis pase yon syèk. E lè Franse yo te kòmanse enpòte kaptif (esklav) nan Sendomeng nan lane 1679, nan mitan premye kaptif sa yo, te gen "priz" ki te soti nan plizyè peyi. Senegal te yonn nan peyi sa yo. Kidonk, Senegalè yo pa te majorite nan Sendomeng franse a, jan yo te majorite nan premye enpòtasyon yo nan pati panyòl la, nan sezyèm syèk kretyen an.
Men, e si te genyen kontribisyon lengwistik senegalè-islamik, ki dimansyon li ta genyen? Yon ti kal bagay ki fay ak san valè :
  • Espekilasyon sou yon salitasyon nan lang arab : "Asala Malekum", si li ta vre, li pwobableman soti nan kontak kèk Senegalè ak Mòr yo, ke jis yon larivyè separe yo de yo.
  • "Marchallah", ki se yon grenn mo majik ke yo ta lage nan makout tradisyonalis Ayisyen an ki genyen plizye santèn mo majik, kabalistik, biblik ak ekzotik ladan l.
Kidonk, 2 ti grenn mo arab san enpòtans. Anyen lòt. Sa se yon kontribisyon ki twò fèb pou l ta enfliyanse fonksyònman yon pratik ki chaje zafè tankou relijyon ayisyen an. Anplis de sa, nan mitan relijyon ayisyen an, Nasyon oswa Nanchon Sinigal la, ke pifò ladan l te tradisyonalis, te reprezante sèlman yonn nan 21 Nanchon,  oswa yonn nan 101 Nanchon, si se pa plis.
Vèvè sila, ki se yon ti zing nan relijyon ayisyen an, montre Nanchon Sinigal kòm yonn nan 4 Nanchon. Akote l genyen Petro blan (oswa Fran Petro), Kaplawou ak Anmin.


(Vèvè ki montre Nanchon sakre, Sinigal se yonn nan yo)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.534.

Epitou, vèvè a te neglije anpil lòt Nanchon tankou Nago, Kongo, Dawomen, Ibo, Wangòl, elatriye, ke kontribisyon tradisyonèl yo t ap dilye yon kontni mizilman Senegalè ki t ap an minorite.


5.1.1- Islam ak ekriti nan Senegal : verite a

Nou blije bay yon eklèsisman rapid sou islam ak ki jan ekriti te simaye nan "Lafrik" moun nwa ; nan Senegal espesyalman. Pou yo fè pwopagand, revizyonis yo renmen asosye islam ak ekriti. Yo pa janm manke yon opòtinite pou yo di ki jan rive islam te simaye ekriti bay pèp nwa. Men, èske nou janm wè yon revizyonis bay nan ki limit reyèl ekriti arab la te simayen? Nan lwanj yo fè sou islam "sivilize" a, yo pa janm di ke ti fi yo te eskli nan edikasyon. E sa otomatikman plase plis pase mwatye yon popilasyon nwa islamize nan kolòn moun ki analfabèt. E lè nou konprann ke sa ki pa islamize yo (ta dwe analfabèt), lè sila, nou wè ke islam, nan okenn moman, pa t janm simaye ekriti nan majorite yon popilasyon nwa.
Annou li sa yon otè nan rejyon an te di sou sous yo (pliryèl) ki te pote ekriti nan Senegal :
"Mais le Sénégal apparaît aussi comme une terre de synthèse où s’élabora pendant plusieurs siècles et s’élabore encore de nos jours une véritable symbiose culturelle, la culture de l’occident et celle de l’Orient arabe se mêlant à la sienne propre.
En effet, les influences arabo-islamiques, notamment celles des Almoravides à partir du XIIe siècle, après la destruction de l’empire du Ghana et les invasions qui s’ensuivirent en Afrique au sud du Sahara, puis, à partir des XVIIIe et XIXe siècles, celles de la conquête coloniale apportèrent l’écriture à une civilisation dominée par l’oralité, mais qui ne s’en exprimait pas moins à travers ses masques, ses oeuvres d’art, ses totems, ses objets du culte, ses monuments funéraires, ses pangols et ses bois sacrés." (59)
Tradiksyon :
"Men, Senegal parèt tou tankou yon peyi kote gen sentèz [melanj], kote te tabli pandan plizyè syèk epi te devlope jouk jodiya yon senbyoz [linyon total] nan lakilti, kilti loksidan [kreyten] ak pa Loryan [arab] te melanje ak pwòp pa li.
Vreman vre, enfliyans arab-islamik yo, pa egzanp pa Almoravid yo depi douzyèm syèk la, apre destriksyon anpir Gana a ak envazyon ki te vin swiv yo nan Lafrik nan sid Sahara a, epi, depi dizwityèm ak diznevyèm syèk, enfliyans ke konkèt kolonyal la ki te pote ekriti nan yon sivilizasyon ke oralite [pawòl nan bouch] dominen, men ki te eksprime l kanmenm nan mask li yo, atizana li yo, totèm li yo, zafè adorasyon li yo, moniman fineray li yo, pangòl li yo ak bwa sakre li yo."
Konsa, byenke islam te pote ekriti nan Senegal osi bonè ke nan 12yèm syèk kretyen an, dispèsyon ekriti a te limite. Fò yo te tann 7 syèk, kidonk konkèt kolonyal kretyen an ki te kòmanse nan 18yèm syèk, men sitou nan 19yèm syèk kretyen an, pou ekriti te blayi toutbonvre nan Senegal ak nan lòt kote nan "Lafrik" de Lwès. E sa, se te apeprè apre Ayiti te fin endepandan.

5.2- Wayòm Senegal Walo a ak eritaj Wòlòf la

Pifò tan, se sou non jeneral "Senegal" la, ke yo te klase kaptif (esklav) ki te soti nan gwoup etnik Wòlòf la. Men, detanzantan, nan Sendomeng, nan kominikasyon yo, yo te konn pale de Wòlòf yo ak plis presizyon. Anons sila pale de 3 Yolof ki mawon :


"Julien, Alexandre & Cristophe, Nation Yolof, âgés d'environ 30 ans, étampés V. GUARIN, au-dessous NIPE, marrons du 18 du mois dernier ; on présume qu'ils pourraient être dans le quartier d'Acquin, ou dans celui du Fonds-des-Nègres, ayant traversé la montagne du Rochellois. En donner avis à la nommée Victoire Guarin, Q. L. Habitante à Nipes, à qui ils appartiennent, ou à M. Mouëssard, Habitant audit quartier; il y aura récompense." (60) 
Tradiksyon :
"Julien, Alexandre & Christophe, Nanchon Yolof, yo gen anviron 30 tan, yo tanpe V. GUARIN, pi ba NIPE, yo mawon depi le 18 mwa pase a ; nou kwè ke yo ta ka nan katye Aken an, oswa nan Fondènèg, pwiske yo te janbe lòt bò mòn Diwochlwa. Voye di sa bay sila yo rele Victoire Guarin an, Q.L. [Fi Katewon Lib] ki rete nan Nip, ki se pwopriyetè yo, oswa Mesye Mouëssard, k ap viv nan menm katye a ; ap gen yon rekonpans."
Prezans Wòlòf la, jan nou te ka atann, kite mak lou toupatou nan lavi Ayisyen. Nan nivo lengwistik, lang Wòlòf (tradisyonèl) la jwe yon wòl enpòtan nan estrikti Kreyòl ayisyen an :
  • Pou make pliryèl, Ayisyen an mete "yo" apre yon mo. Sa se yon defòmasyon de "you", ki se yonn nan makè pliryèl nan lang Wòlòf la. Wòlòf yo ajoute l apre yon mo ke yo konsidere toupre nan distans :
"Au pluriel, quelle que soit l'initiale du mot, l'article commence constamment par y, et l'on dit ya, yi, you, suivant que l'objet est éloigné, présent ou proche ; exemples : marreya, les ruisseaux éloignés ; mptithieyou, les oiseaux proches, etc., et toujours cet article est ajouté à la fin du mot." (61)
Tradiksyon :
"Nan pliryèl la, kèlkeswa jan mo a kòmanse, makè pliryèl la ap toujou kòmanse ak y, epi yo pral di ya, yi, you, selon ke sa y ap pale de li a lwen, prezan oswa toupre ; egzanp : marreya, sous dlo yo byen lwen ; mptithieyou, zwazo yo toupre, elatriye, e yo toujou kole makè pliryèl la dèyè mo a."
  • Menm jan tou, sengilye nan Kreyòl ayisyen soti nan lang Wòlòf ki genyen "la" avèk "a" ("lan", "an", oswa "nan") ki plase apre yon mo. (62)
  • Lang Wòlòf la te pote "ak", ki vle di "avèk", bay Kreyòl ayisyen an. (63) Kèk Ayisyen di "ak" oswa "ake". 
  • Anplis de sa, advèb Kreyòl "fèk" (oswa "fenk") soti nan advèb Wòlòf "fèk", ki vle di yon bagay ki apèn rive. (64)
Nou te ka site lòt mo Kreyòl ki soti nan Wòlòf. Men, annou konsantre nou sou lengwistik relijye ayisyen an. Gen sèlman yon ti kantite mo Wòlòf nan lis mo relijyon tradisyonèl ayisyen an. Men, mo Wòlòf ki konsève yo pa ti kras mo. Yo senbolize orijin ak idantite Wòlòf la, sètadi "Walo" ak "Brak".


5.2.1 - Walo oswa Waalo

Wayòm Senegalè Walo a, Waalo oswa Ouallo (1287-1855) te sitou gen Wòlòf ak Foula (Peuls) ladan l. Malgre ke yo te konvèti nan islam plis nan bouch, depi 16yèm syèk la, islam te gaye lakay Wòlòf yo nan plizyè bout moman. Li rive jwenn mas Wòlòf la sèlman pandan 18tyèm syèk kretyen an, lè moun sa yo te wè nan li yon pwoteksyon kont komès esklavaj la. (65) E kòm, akozde Revolisyon ayisyen an, esklavaj pa t rive nan 19yèm syèk kretyen an nan Sendomeng, majorite Wòlòf ke yo te pote nan zile sa pa t gen tan vin mizilman. Wòlòf sa yo te toujou ap venere Lwa zantray yo, ke yo rele Raab.


  
(Wayòm Waalo a, pèp Serèr ak Wòlòf yo)
Sous : G. G. Beslier. Le Sénégal. L'Antiquité. Les Arabes et les Empires noirs. La Colonisation européenne du XIVe au XVIIe siècle. L'Ere négrière. Paris, 1935. p. 30. ; https://fr.wikipedia.org/wiki/Waalo#/media/File:EthniesS%C3%A9n%C3%A9gal.jpg

Nou jwenn mo "Walo" a nan nannan relijyon ayisyen an, sou fòm "Walo" oswa Wèlo. Yo ajoute l nan non plizyè Lwa pou idantifye kote yo soti : Wida Walo, Agasou Wèlo, Ti Pyè Walo, elatriye. Me yon vèvè Lwa Ti Pyè Walo. Ladan l, pa gen anyen ki soti nan islam :


(Vèvè Ti Pyè Walo)
Sous :  Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.554.


5.2.2. - Brak, Barka, Barak, Brakè

Anons sila ki te parèt nan dat 19 novanm 1766, te pale de yon kaptif (esklav) Senegalè yo te rele Barqua :


"Un Nègre Sénégalais, nommé Barqua, étampé P. PATRICOT, se disant appartenir à M. Patricot, habit. au Quartier-Morin." (66)
Tradiksyon :
"Yon Nèg Senegalè, yo rele Barqua, li tanpe P. PATRICOT, li di li se kina Mesye Patricot, ki rete Katyemoren."
Barqua (Barka), non kaptif Senegalè sa (nou pa dwe konfonn li ak Baka ki se non yon gwoup pigme (tinen) nan "Lafrik" Santral), li konekte ak Wayote nan Senegal :
"C'est du nom de Barka Mbôoj que procède le mot Barak désignant le souverain du Waalo. (...) Au Waalo notamment, après que le Seb ak Bawar a procédé à l'élection du barak (roi)..." (67)
Tradiksyon :
"Se nan non Barka Mbôoj ke mo Barak la, ki se tit Wa Waalo a, soti. (...) Nan Waalo, an patikilye, apre ke Seb (Sèb) Ak Bawar te òganize eleksyon barak la (wa)..."
Konsa, te soti nan non Wa Barka Mnôoj, mo Barak la oswa Brak, ki se tit Wa nan Wayòm Senegalè Waalo ak Beffeche (Befèch).


(Wayòm Walo (Ouaille) oswa Brak)
Sous : Guillaume Deslisle : Sénégambia, 1707 ; https://en.wikipedia.org/wiki/Waalo#/media/File:Guillaume_Delisle_Senegambia_1707.jpg

Kidonk, Wòlòf yo te wè Wa Waalo a tankou yon Lwa. Sa se yon pratik tradisyonèl, pwiske tradisyon ayisyen an kenbe venerasyon tit Wayote sila nan Lwa Barak oswa Barako :


Èzili Je Wouj o, se yon Lwa Barak o
Mapou tonbe, kabrit manje fèy nan petwo
Adye, Ezili Je wouj o, si m pran w, m a devore w.

Jan chante sakre yo montre l, yo regilyèman asosye Barak ak Èzili Je Wouj, yon Lwa ki soti Senegal, e ki reprezante jan de lanmou ki chaje ak jalouzi ki rann je wouj :


Barak, Barak o
M pa renmen yon fanm ki jalou twòp o
Men si m jwenn yon fanm ki jalou twòp pou Èzili Je Wouj
Barak, kondi m ale, anba bila.

Me yon Vèvè Èzili Je Wouj ki relye ak Barak. Toujou, nou pa jwenn anyen arevwa ak islam nan vèvè a :
 (Vèvè Èzili Je Wouj ki relye ak Barak)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p..234.

Dapre konesans nou, tit Wayal Senegalè a, yo kenbe l nan tradisyon ayisyen an nan 2 mo : Barak, Brakè. Lwa Èzili Barako (Èzili Dantò oswa Èzili Boran), ki fè pati de menm fanmi ak Èzili Je Wouj, se manman Lwa/Jany Ti Jan Dantò, ke yo rete Jan Brakè tou. Se sa k fè yo konekte "Yaye" tou ak Èzili Dantò. E Yaye se yon  mo Senegalè (Wòlòf) ki vle di "Manman".
Me yon chante sakre Èzili Dantò ki montre wòl manman li ansanm ak orijin Senegalè li :


Yaye o, Yaye
Èzili kanpe nan baryè a, li pa sa antre.

Konnya, annou gade yonn nan Vèvè Èzili Dantò (Barako). Pa gen ankenn tras mizilman menm :


(Vèvè Èzili Dantò ke yo asosye ak Yaye)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p..226.

Nou dwe remake ke Lwa/Jany Èzili Dantò (oswa Èzili Barako) ak pitit li Tijan Dantò (oswa Tijan Brakè) vini anvan fondasyon Wayòm Senegalè Walo a (1287-1855). Men, nou pa gen plas ase pou nou devlope sijè sa nan atik sila.


5.3- Walo ak eritaj Foula Senegalè a

Gwoup etnik nomad (kidonk, ki pa rete yon sèl kote fiks) Foula a, ke yo rele Peul nan lang franse (ki vin fè Nanchon Foula an Ayiti a), te viv nan tout peyi nan "Lafrik" de Lwès. E gen nan yo ki te soti Senegal. Jan nou te deja di li, yon pati Foula Senegalè yo te ateri nan Sendomeng. Se sa k fè yo nan Nanchon Sinigal ak nan Nanchon Foula.
Senegalè Foula yo te kontribye tou nan relijyon ayisyen an. Nanchon Foula a, ki te egziste anvan islam, te rele Bondye kreyatè a Geno, epi Lwa li yo te gen non Ghimbala (Gimbala). E lè yon Ghimbala te antre nan kò yon moun pou yon moman, tradisyonalis Foula yo (otan ke gwoup etnik Awousa a) te di ke Ghimbala a te "monte" chwal li, ki se moun ki posede a. Koutim sa rete nan relijyon ayisyen an, kote nou rele "chwal" (cheval), pratikan ki nan trans yo.
E tankou Dawomeyen yo, Koulèv sakre a te nan mitan relijyon tradisyonèl Foula a. Yo venere Koulèv la ke yo rele Tyanaba oswa Caanaba (Kanaba). Anplis, nan "Lafrik" de Lwès, Koulèv sakre a senbolize tout kilt tradisyonèl anvan islam yo. Kit se relijyon zantray Dogon yo, Foula yo oswa Awousa yo lakay kiyès "yon kokennchenn koulèv, ki se bèt nan lejann ki reprezante pouvwa nan tout wayòm animis nan Sahèl la." (Trad.) (68)
Epi Caanaba, Koulèv sakre Foula a, li la depi mond la te kreye. Penti ansyen sa yo, ki preistorik, montre Koulèv Tyanaba a ki konekte ak bèf Foula yo. Kòm Foula yo se yon pèp ki viv de bèf li :








(Penti preistorik Koulèv sakre (Tyanaba oswa Caanaba) Foula yo)
Sous : Lhote H. "Les peintures pariétales d'époque bovidienne du Tassili. Éléments sur la magie et la religion." In: Journal de la Société des Africanistes, 1966, tome 36, fascicule 1. pp.7-28; doi : 10.3406/jafr.1966.1402 ; http://www.persee.fr/doc/jafr_0037-9166_1966_num_36_1_1402

E chimen Foula yo soti nan tras Koulèv Danti a kite dèyè li. Dapre istwa espirityèl pèp nomad sila, k ap travèse "Lafrik" de Lwès avèk twoup bèf li, pandan kreyasyon mond la, Koulèv Tyanaba (Caanaba) a te kòmanse vwayaj li nan Senegal, anvan li te fè yon poze nan Lac Débo (Lak Debo), nan Mali :


(Lac Debo, Mali)
Sous : https://upload.wikimedia.org/wikipedia/commons/c/cb/AT0903_map.png

Se pa etonan ke, sou Lak Debo, tradisyonalis ayisyen an pa depeyize. Paske, nou jwenn, non sèlman ti kay gwoup etnik pechè Bozo a, ki nan fanmiy pèp Mandeng yo. Men tou, nou jwenn yon kannòt (pwobableman pa yon pasè nan pèp Bozo a) ki dekore ak yon senbòl ki nan vèvè Ayisyen yo :


(Kannòt ak senbòl tradisyonalis sou Lak Debo nan Mali)
Sous : https://www.google.ca/maps/uv?pb=!1s0xe3ec2c4150336cd%3A0xbe010d30bd5c61f5&hl=fr-CA&imagekey=!1e10!2sAF1QipPzgWv_2JXJ7wAAPWzyBpc3zRl_I7XBHTUHL3gU

Me yon vèvè ki gen menm senbòl la :


(Vèvè Legba Atibon an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.207.


(Vèvè Kafou an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.206.


(Vèvè Kafou Man an Ayiti)
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.198.

Nou wè ke lè nou swiv tras Guimbala yo, ki se Lwa zantray Foula yo (kit se Foula Senegalè, kit se lòt), nou rete nan linivè tradisyonalis, epi nou pa nan islam. Epitou, "Samba" (Sam-Ba), se yon non Foula ki popilè anpil. Li soti nan non Koulèv sakre Cyanaba a (Cyana-Ba). (69) E "Sanmba", nan lang ayisyen an, se konsa yo rele sila yo ki maton nan chante tradisyonel yo, oswa ki Houngan oswa Manbo. Finalman, "Foula", ki se non pèp nomad sila (ki mache anpil), li soti nan mo "Fullade" (Foulade) ki vle di "simaye" ak souf, "gaye" ak souf, oswa soufle yon bagay, nan lang pulaar yo. (70) Mo "foula" sila gen menm sans nan relijyon zantray ayisyen an. Li se non pèp oswa Nanchon sakre Foula a. An menm tan, li se abitid gran pratikan yo ki "foula" likid ak bouch yo, nan mitan sèvis espirityèl yo.


5.4- Serèr yo ak relijyon ayisyen an

Serèr yo, ki se yon gwoup etnik ki soti Senegal, te nan kaptif (esklav) nan Sendomeng yo :


"Deux Négresses, nation Serrere, sans étampe, l'une nommée Lisette, âgée de 20 à 25 ans, ayant deux ou trois dents de manque à la machoire inférieure, jolie de figure, & l'autre nommée Julie, du même âge, ayant les oreilles déchirées en deux endroits, & des marques de son Pays sur la tempe, sont marones depuis le 10 de ce mois. Ceux qui les reconnaîtront, sont priés de les faire arrêter, & d'en donner avis à la nommée Marthe de Brache, Quarteronne libre, demeurant au Port-au-Prince." (71)
Tradiksyon :
"De Nègrès, Nanchon Serèr, san mak tanpe, yonn nan yo rele Lisette, ki gen 20 a 25 an, li manke de oswa twa dan anba, bèl jigi, epi lòt la yo rele l Julie, li gen menm laj la, zòrèy li chire nan de kote, epi li gen mak peyi li sou tanp li, yo mawon depi le 10 mwa sa. Sa ka rekonèt yo, tanpri fè yo arete yo, epi voye fè sila yo rele Marthe de Brache la konnen, ki se yon Katewon Lib, k ap viv nan Pòtoprens."
Gwoup etnik Serèr a te tradisyonalis anpil, si tèlman ke, sa pa gen twò lontan, nan 1973, yo te ekri sa sou yo :
"Pour les Sérèr fidèles à leur vision traditionnelle du monde, et ce sont les plus nombreux, qu’ils soient animistes, musulmans ou chrétiens, l’univers est perçu comme un tout organique, à la fois visible et invisible. (...) Au monde invisible appartiennent tous les êtres d’ordre spirituel : Rôg Sèn, l’être suprême, maître de l’univers ; les Êtres spirituels intermédiaires entre Dieu et l’homme, et en particulier les Pangol, qui polarisent souvent la pensée religieuse et le culte religieux sérèr." (72)
Tradiksyon :
"Pou Serèr yo ki fidèl a vizyon tradisyonèl dimond yo, e se pifò nan yo, ke yo animis, mizilman oswa kretyen, yo wè linivè a tankou yon bagay total ki fè yon sèl òganik, ke yo ka wè, ke yo pa ka wè anmenmtan. (...) Nan mond yo pa ka wè a rete tout lespri espirityèl yo : Rôg Sèn, èt siprèm an, mèt linivè a ; Lespri espirityèl entèmedyè ant Bondye ak moun yo, epi sitou Pangol yo, ki souvan divize panse relijye ak pratik relijye serèr a."
E Senegalè tradisyonalis yo te bay, nan mitan anpil lòt bagay, venerasyon Pangol yo (ki se pliryèl Fangol). Lespri Serèr sa yo, (ke yo rele Pangòl an Ayiti) yo toujou onore yo nan lapriyè zantray ayisyen yo. E Serèr yo desinen Pangòl yo tankou Koulèv ki mele ansanm. Kidonk, menm jan ak Mbumba (Boumba an Ayiti), ki se Koulèv Lakansyèl pèp Yombe nan Kongo a, tankou Caanaba (oswa Tyanaba) Foula yo, tankou Dan, Dambada ak Aido Hwedo Dawomen yo, tout Koulèv sa yo gen yon bout nan vèvè ayisyen sila :
Sous : Milo Rigaud. Ve-Ve : Diagrammes Rituels du Voudou. New York, 1974. p.176.

Me yoonir (younir), ki se zetwal inisyasyon Serèr a :

Sous : https://en.wikipedia.org/wiki/Pangool#/media/File:Five_Pointed_Star_Lined.svg

Se ak menm zetwal sa ke kèk Manbo ak Houngan, kidonk kèk gran dirijan relijyon tradisyonèl ayisyen an, siyen vèvè ke yo fin trase yo :


Tradiksyon :
"Siy houn'gan an, yo wè l nòmalman anba potomitan an."
Sous : Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. p.164.

Nou dwe konnen ke Serèr yo (ki pa t konn li nan lang Loksidan) te siyen non yo ak zetwal yoonir a :
"Comme l'indique son nom en sereer, l'étoile de l'univers remplit une fonction de viatique. Elle est pour les Sereer un signe d'identificaction culturelle. Aujourd'hui encore, les Sereer qui ne savent pas écrire signent de cette étoile des documents officiels. [GRA 1990.]" (73)
Tradiksyon :
"Kòm non li an Sereer montre l, zetwal linivè a te gen yon fonksyon viyatik [kidonk pote sekou]. Li se yon siy idantite kiltirèl pou Sereer yo. Jodiya toujou, Sereer ki pa konn ekri yo siyen dokiman ofisyèl yo ak zetwal sa. [GRA 1990.]"
Me zetwal sakre Serèr la nan mitan yon vèvè Milokan (ki reprezante ansanm Lwa yo) :


Sous : Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. p.165.

Me menm zetwal Serèr a nan antre Souvnans, ki se yon tanp (lakou) tradisyonel ayisyen popilè :


(Zetwal Serèr a nan lakou Souvnans, nan Gonayiv)
Sous : Norluck Dorange. "Souvenance : entre le souvenir et la mémoire". In : Haïti en marche, du Mercredi 2 avril 2008, Vol. XXII, no 10, p.10.

Isit la, nou rejwenn zetwal Serèr a andedan yon tanp tradisyonèl ki sitiye nan Nò Ayiti :







(Zetwal Serèr a nan Tanp Bambara (Sosyete Pierre Dambara) nan Okap Ayisyen)
Sous : "Entretien sur le Vodou haïtien" ; URL : https://www.youtube.com/watch?v=s_QI9_IxgP8 ; Capture d'image: (00:04:53) ; (00:09:53)

Jan nou ka remake l, kontribisyon Nanchon Siniga a nan relijyon ayisyen an te tradisyonèl. Li pa t islamik.
Epi nou dwe fè konnen ke zetwal yo rele yoonir a, li vle di "Kanmarad la" nan lang Serèr. Li se zetwal Siryis la ki "akonpayen" vwayajè oswa mistik yo, ak limyè li. Zetwal sa, yo te venere l depi plizyè milye lane nan "Lafrik", kote pèp Dogon an (k ap viv nan Mali) rele li Sigi Tolo.

Anplis de sa, Serèr yo te konn itilize senbòl sila :



Yo konn trase senbòl li atè nan gran moman yo, otè sila te idantifye l tankou Kwa Sen Andre :
"La croix de Saint-André : Tracée sur la terre, est un symbole de vie humaine, et ce signe est tracé dans les grandes circonstances." (74)
Tradiksyon :
"Kwa Sen Andre a : Trase atè, li se yon senbòl nan lavi moun, e yo trase siy sa nan gwo sikonstans yo."
An Ayiti, yo rele trase senbòl Serèr sa Kwasiyen (Croisigner) :
"Croisignin : Tracer une ou plusieurs croix sur le sol ou sur un objet rituel." (75)
Tradiksyon :
"Kwasiyen : Trase yon sèl oswa plizyè kwa atè oswa sou yon bagay ki konsakre."
Li pran fòm yon "X", lakay Serèr yo, oswa "+", ki parèt tankou l te soti nan senkretism kretyen an, men li soti anreyalite nan yowa ki se siy Kongo (pa manm sosyete Lemba yo) pou Kafou ak mouvman, san mande rete, de nanm yo, elatriye. (76)  :

Tradiksyon :
"Siyen konsa atè a : +"
Sous : Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. p.165.


(Vèvè ak kwasiyen nan relijyon ayisyen an)
Sous : Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. p.178.

Vèvè sila gen "X" ak "+" a, ki se 2 kwasiyen :


(Vèvè ak prezante 2 fòm kwasiyen)
Sous : Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953.p.381.

Konklizyon

Egzèsis sa te la pou demontre ke senbòl nan vèvè ayisyen yo soti nan "Lafrik" tradisyonalis la. E nou kwè ke nou te demontre sa ak prèv reyèl ki verifyab, e pa ak espekilasyon san valè, ni nan magouy san figi. Nou ensiste tou, nan nivo prèv ki disponib, ke relijyon mizilman an pa t enfliyanse vèvè ayisyen. E nou kwè ke nou te rive demontre sa tou.


* Wè Joseph Campbell, Bill Moyers. The Power of Myth. New York, 1991. pp.271-272.
** Gaou Deguenon alyas Gaou Ginou, granpapa Tousen Louvèti, te yonn nan 2 kòmandan militè pandan konkèt Savi a nan lane 1727. E li te resevwa 1 esklav pou rekonpans, nan men Wa Agadja :
"Quant Agadja en apprit la nouvelle [la prise de Savi], à Allada, il organisa aussitôt une grande fête. Deux estrades en branchages furent construites; auprès d'elles s'agenouillèrent Migan, le premier ministre, et Gaou, le chef de guerre. Le roi remit solennellement un esclave à chacun d'eux, tandis que deux autres esclaves étaient envoyés auprès de nos pères, les prévenir dans l'au-delà du succès nouveau." (77)
Tradiksyon :
"Lè Agadja te tande nouvèl la [konkèt Savi a], li te òganize yon gwo fèt nan Allada. 2 estrad ak branch te bati; e akote yo, te gen ajenou Migan, pwemye minis la, ak Gaou, chèf lagè a. Wa a te remèt ofisyèlman 1 esklav bay yo chak, pandan ke yo te voye 2 lòt esklav al jwenn zansèt nou yo, pou avèti yo nan peyi san chapo, de nouvo siksè a."
Kidonk, non "Gaou" a, se te tit Minis lagè li te ye. Li pa t vle di wa, jan fo istoryen yo ap blayi l la. Wa Dawomen an te Agadja, epi siksesè li te pitit gason l Tegbessu ; ensideswit. Tousen Louvèti te sètènman soti nan yon liyen nòb, men liyen l la pa t wayal. Li te fèt nan Bitasyon Breda, nan Odikap (Sendomeng-Ayiti). E li pa t fèt nan Allada, nan Benen, jan kèk Beninwa vòlò toujou ap di, paske yo dèyè lajan touris ak glwa ke kaptif yo te vann yo te genyen nan anpil sakrifis. Se te, jan nou te di l la, papa a Tousen Louvèti ki te fèt nan Allada. Se pa t Tousen.
*** Melville J. Herskovits (ak Frances Herskovits), nan Dahomean Narrative: A Cross-Cultural Analysis. Evanston, 1958. p.409., te prezante "Damballa Hwedo" nan mitan yon istwa dawomeyen. Men sa se rezilta enfliyans relijyon ayisyen an, ke msye te abitye avèk li, piske li te pibliye sou li 21 lane anvan sa, an 1937.
**** Wè repòtaj RTI (Radio Télévision Ivoirienne) "‪Informel/Korhogo : le poulet et la pintade beaucoup prisés dans le Poro‬", pa Charles Tatou, Issa Diallo, poste 3 janvye 2017 ; URL : https://www.youtube.com/watch?v=6TWeJ9atUt4
***** Wè "God and the Pintards." In : Zora Neale Hurston. Tell my horse : Voodoo and Life in Haiti and Jamaica. New York, 1990. (1ye edisyon 1938). pp.259-261.




Referans
(1) Louis Maximilien. Le vodou haïtien: rite radas-canzo. Port-au-Prince, 1945. p.42.
(2) Pou li rann kredib revizyon Amerendyen san prèv epi rasis li a, Maya Deren te fè espre konfonn zansèt Ayisyen yo ak pa Dominiken Nwa yo. Manmzèl te deside kareman rekile dat zansèt Ayisyen yo te debake sou zile a. De lane 1679, li te voye l dèyè nan lane 1510, sa ki 169 lane anvan bon jan enfòmasyon ki nan achiv yo. 
(3) LeGrace Benson. "Qismat of the Names of Allah in Haitian Vodou". In : Journal of Haitian Studies, Vol 8 No. 2, 2002. pp.160-164.
(4) Carl Gustav Jung. L'énergétique psychique. Genève, 1973. p.99.
(5) Claude Savary. La pensée symbolique des Fõ du Dahomey. (Tèz) Genève, 1976. p.174.
(6) LeGrace Benson. "Some Breton and Muslim Antecedent of Voudou Drapo". In : Textile Society of America Symposium Proceedings Paper 867. 1996. ; URL : http://digitalcommons.unl.edu/tsaconf/867
(7) Jean Kerboull. Le vaudou. Paris, 1973. pp.93-94 ; 152-153.
(8) Mgr. Paul Guérin. Les petits bollandistes vies des saints de l'Ancien et du Nouveau testaments. Vol. 16. Paris, 1882. p.183.
(9) LeGrace Benson. Ibid.
(10) Guérin Montilus. Dieux en Diaspora : les Loa Haitiens et les Vaudou du Royaume d"Allada (Bénin). Niamey, 1988. pp.85-86.
(11-12) Auguste Le Hérissé. L'ancien royaume du Dahomey, moeurs, religion, histoire. Paris, 1911. pp.127,  110.
(13-14) Ashem-Tem Kawata. Dictionnaire français-lingala : Bago lingala-falansé. Saint-Pierre-Lès-Nemours, 2003. pp.203, 303 ; 148, 178, 361, 375, 475.
(15-16)  LeGrace Benson. "Some Breton...". Op. Cit.
(17) Gerson Alexis. "Aperçu sur les Mandingues haïtiens." In : Lecture en anthropologie haïtienne. Port-au-Prince, 1970. p.185.
(18) Denis Creissels.  Lexique Mandinka-Français. Lyon,  2011. [Online] URL : http://www.deniscreissels.fr/public/Creissels-lexique_mandinka_2011
(19) Amadou Hampaté Ba. Aspects de la civilisation africaine : personne, culture, religion. Paris, 1972.
(20) Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. p.94.
(21) Wè Jean Kerboull. Le Vaudou : Magie ou religion? Montreal, 1973. pp.230, 231, 236, 240, 242, 248 ; Jean Kerboull. Voodoo and Magic practices. London, 1978. (Trad.) p.42.
(22) Melville Jean Herskovits. Dahomey, an ancient West African Kingdom. New York, 1938. Arrière-couverture.
(23) Melville Jean Herskovits. Dahomey, an ancient West African Kingdom. New York, 1938. p.224-225. fig.34.
(24-26) Melville Jean Herskovits. Ibid. pp.31, 224, 229.
(27) T. Fourche, H. Morlighem. Une Bible Noire. Bruxelles, 1973. p.126.
(28) LeGrace Benson. "Some Breton...". Op. Cit.
(29) Milo Rigaud. La Tradition... Op. Cit. p.273.
(30) https://www.convertunits.com/from/carreau/to/hectare
(31) Les Affiches Américaines du samedi 30 juillet 1774. Parution No.30, p.357. 
(32) Source : Les Affiches Américaines du samedi 4 Juin 1774.  Parution No.22, p.261.
(33) LeGrace Benson. "Some Breton...". Op. Cit.
(34) Les Affiches Américaines du Mercredi 28 décembre 1774. Parution No.52, p.614.
(35) Les Affiches Américaines du Mercredi 30 janvier 1771. Parution No.5, p.0.
(36) Pascal James Imperato, Gavin H. Imperato. Historical Dictionary of Mali. Lanham. (4th Edition) 2008. p.266.
(37) A. Chartier. "Le Cercle des Tagouanas" In : ‪Renseignements coloniaux, No.11. In : L'Afrique française‬: ‪bulletin mensuel du Comité l'Afrique française et du Comité du Maroc‬, Volume 31. Paris, 1921. pp.249-274.
(38) A. Chartier. "Le Cercle des Tagouanas" In : ‪Renseignements coloniaux, No.12. In : L'Afrique française‬: ‪bulletin mensuel du Comité l'Afrique française et du Comité du Maroc‬, Volume 31. Paris, 1921. pp.282-290.
(39) Assi Agnissan Aubin. "L'introduction de l'élevage bovin chez les Tagbana (Sénoufo du Sud) de la Côte d'Ivoire." In : L'Union pour l'Etude de la Population Africaine. No.27, 1997. ; URL : http://www.bioline.org.br/request?uaps97027
(40) Encyclopedia of African Peoples‬. ‪Routledge‬, ‪2013. p.184.
(41) Assi Agnissan Aubin. "L'introduction de l'élevage bovin chez les Tagbana (Sénoufo du Sud) de la Côte d'Ivoire." In : L'Union pour l'Etude de la Population Africaine. No.27, 1997. ; URL : http://www.bioline.org.br/request?uaps97027
(42) A. Chartier. "Le Cercle des Tagouanas" In : ‪Renseignements coloniaux, No.12. In : L'Afrique française‬: ‪bulletin mensuel du Comité l'Afrique française et du Comité du Maroc‬, Volume 31. Paris, 1921. pp.282-290.
(43) Pierre André Guerrier. Pour une haiti moderne, Vol. I. Paris, 2008. p.246.
(44) Françoise Diep, François Moïse Bamba. Aux origines du monde : Contes et légendes du Burkina-Faso. Paris, 2007.
(45) Coulibaly Shighata. "Cosmos Sénoufo et ethnographie d'objets d'art traditionnel Sénoufo, Côte d'Ivoire". [online] posted on July 19, 2016 ; URL : https://fr.linkedin.com/pulse/cosmos-s%C3%A9noufo-et-ethnographie-dobjets-dart-c%C3%B4te-divoire-shighata ; Retrieved January 8, 2018.
(46) Claire Polakott. Into Indigo : African Textiles and Dyeing Techniques. New York, 1980. ; Yon sitasyon Ronke Luke-Boone. African Fabrics: Sewing Contemporary Fashion with Ethnic Flair. Iola, 2001. p.50.
(47) Marcelle Colardelle-Diarrassouba. Le lièvre et l'araignée dans les contes de l'Ouest africain. Paris, 1975. p.64.
(48) Brice Ahounou. Le coq et la pintade : Symbolisme et culture politique en Haïti. in: Problemes d'Amerique latine. Paris, 1992. p.9.
(49) Joseph Saint-Rémy. Mémoires pour servir à l'histoire d'Haïti par Boisrond-Tonnerre. Paris, 1851. p.45.
(50) Les Affiches Américaines du jeudi 6 décembre 1787. Parution No.97, p.613.
(51) Les Affiches Américaines du jeudi 23 décembre 1790. Parution No.10, p.650. 
(52) Wè Les Affiches Américaines du mercredi 19 octobre 1768. Parution No.42, p.343.
(53) Wè Les Affiches Américaines du mercredi 11 juin 1777. Parution No.24, p.178. ; France. "Interrogatoire de la Négresse Assam, du 27 septembre 1757. Extrait des minutes du greffe du Tribunal du Cap." AN, Arch. Col. C9A 102. Ànekse nan Carolyn E. Fick. Haïti : Naissance d'une Nation... Montréal, 2014. p.463.
(54) LeGrace Benson. "Some Breton...". Op. Cit.
(55) Robert M. Baum. A religious and social history of the Diola-Esulalu in pre-colonial Senegambia. (Tèz), Yale, 1986. pp.6-7.
(56) Koumbouna Keïta. "Les religions traditionnelles et l'islam comme facteur d'intégration". In : Ethiopiques No. 57-58: Revue semestrielle de culture négro-africaine ; 1er et 2e semestres 1993. URL : http://ethiopiques.refer.sn/spip.php?page=imprimer-article&id_article=1177
(57) Koumbouna Keïta. Ibid.
(58) LeGrace Benson. "Qismat...". Op. Cit.
(59) Mamadou Seyni M'Bengue. La politique culturelle au Sénégal. Paris, 1973. p.11.
(60) Les Affiches Américaines du jeudi 6 décembre 1787. Parution No.97, p.613. 
(61-62) Jean Dard. Dictionnaire Français-Wolof et Français-Bambara : suivi du dictionnaire Wolof. Paris, 1825. pp.xix, xviii-xx.
(63-64) Pierre Anglade. Inventaire étymologiques des termes créoles des Caraïbes d'origine africaine. Paris, 1998. pp.44, 98.
(65) Papa Samba Diop. Archéologie littéraire du roman sénégalais. Paris, 1995. p.48.
(66) Les Affiches américaines du Mercredi 19 novembre 1766. Parution No.47, p.394.
(67) Papa Samba Diop. Op. Cit. pp.73, 127.
(68) Bernard Nantet. Dictionnaire d’Histoire et Civilisations africaines. Larousse, Paris, 1999. p.134.
(69) Oumar Niang. "Les patronymes fulbe (peuls) origine mythique et symbolique". [anliy] poste 25 novanm 2017 ; URL : https://www.ndarinfo.com/Les-patronymes-fulbe-peuls-origine-mythique-et-symbolique-Par-Oumar-NIANG_a20377.html ; Vizite nan jounen 10 jwen 2018.
(70) "Qui sont les Peuls?" [anliy] poste 19 dawou 2011 ; URL : https://www.ndarinfo.com/Dossier-Qui-sont-les-Peuls_a955.html ; Vizite nan jounen 10 jwen 2018.
(71) Wè Les Affiches Américaines du mercredi 19 octobre 1768. Parution No.42, p.343.
(72) Henri Gravrand. "Le Symbolisme Serer". In : Psychopathologie africaine, 1973, IX, 2 : 237-265.
(73) Madiya, Clémentine Faïk-Nzuji. Le dit des signes :  ‪répertoire de symboles graphiques dans les cultures et les arts africains‬. Louvain, 1996. p.62.
(74) Henri Gravrand. Op. Cit.
(75) Milo Rigaud. La Tradition Voudoo et le Voudoo Haïtien. Paris, 1953. p.421.
(76) Robert Farris Thompson. Flash of the Spirit : African & Afro-American Art & Philosophy. New York, 1983. pp.108-110.
(77) Auguste Le Hérissé. L'ancien royaume du Dahomey, moeurs, religion, histoire. Paris, 1911. p.297.




Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Vèvè yo pa mizilman". 10 fevriye 2018 ; Mizajou : 8 dawou 2020. [anliy] https://bwakayiman.blogspot.com/2018/02/veve-yo-pa-mizilman.htm ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020