Boukman pa t chèf revolisyon ayisyen an

Home     




Otè : Rodney Salnave
Wòl : Dougan (Skrib)
Dat : 29 jen 2017 
(Mizajou : 25 okt. 2019)


1- Boukman, èske l te premye revolisyonè a?

Revizyon mizilman sou Revolisyon Ayisyen an chita sou yon lide malatchong ki fè konnen ke :
  • Boukman te chèf lame revolisyonè a ; 
  • ke li te kwè nan islam ; 
  • ke kaptif (esklav) Sendomeng (Ayiti) yo t ap dòmi jouk msye te parèt nan lane 1791 ;
  • epi akozde swadizan savwa mizilman li, ansanm ak swadizan maton li te maton nan ekriti, sa ta va pèmèt li blayi lide revolisyon nan mitan pèp Nwa Sendomeng la ki ta dwe gaga, mòlòlò.
Jan de agiman sa pa konsidere lefèke rezistans ak vyolans kont sistèm esklavaj la t ap fèt depi 112 an anvan Boukman, Bwa Kayiman oswa levekanpe jeneral 1791 la. Paske, premye deblozay yo te pete depi 1679, ki se lane peyi Lafrans te debake premye pil kaptif nan Sendomeng :
  • (1679) Premye debake zansèt Ayisyen yo nan zile Sendomeng (Ayiti) a
  • (1679) Rebelyon Padrejean - Senlwidinò, Pòmago, Mòntatar
  • (1691) Rebelyon Michel - Plèndikildesak
  • (1691) Rebelyon Jeannot Marin, Georges Dollot ki gen tinon Pierrot - Pòdepè, Ildelatòti
  • (1691) Konplo 200 Nwa - Nò
  • (1697) Kaptif revòlte - Katyemoren
  • (1704) Konplo - Kapfranse
  • (1719) Atak Michel Kakabwa - Mòn Baworouko (toupre Jakmèl, nan Sidès)
  • (1723) Atak Colas Janm Koupe - Grannrivyèdinò, Limonad, Mònamontèg
  • (1728) Rebelyon Plymouth - Grandans, Nip
  • (1730-1734) Rebelyon Polydor - Troudinò
  • (1740) Rebelyon Pompée - Mibalè
  • (1740-1758) Bay pwazon : Macandal, Brigitte, Jean Tassereau, Médor ak kèk santèn konplis - Nò, Nòdès
  • (1742) Mawon fè dappiyan - Ansapit
  • (1746) Mawon fè dappiyan - Jakmèl
  • (1747) Rebelyon Orphée - Leyogàn
  • (1758) Ekzekisyon Macandal, Brigitte, Jean Tassereau, Médor ak lòt anpwazonè
  • (1758, nov.) tantatif pou lage pwazon nan sous dlo yon kazèn - Nò (Kapfranse)
  • (1761) Mawon tann pyèj (chèf mawon ki genyen laviktwa a, pran non ledmi li ki se Belzunce)
  • (1770-1774) Rebelyon Petit Noel Prieur - Fòdofen
  • (1770-1777) Rebelyon Télémaque Canga, Isaac, Candide - Fòdofen
  • (1776) Mawon fè dappiyan - Boukan-Patat, Ansapit, Granbwa, Fonparizyen, Saltrou 
  • (1776 -1785) Atak Santiague, Philippe, Kebinda - Baworouko
  • (1777) Rebelyon Jacques Corbières - Plèndikildesak
  • (1777-1778) Mawon fè dappiyan -  Boukan-Gresen
  • (1779-1781) Mawon fè dappiyan - Sidès, Jakmèl 
  • (1786-1787) Konplo revolisyonè ak majik Jérôme Poto, Télémaque - Mamlad
  • (1787) Rebelyon Gillot ki gen tinon Yaya - Troudinò, Tèryerouj
  • (1791) Boukman ak lòt chèf yo - Bwa Kayiman, levekanpe jeneral la. 
Tablo ke dat sa yo prezante, montre nou ke pandan 112 lane, kidonk depi lè Franse yo te kòmanse lage moun Nwa nan koloni Sendomeng la (1679), jouk rive nan evenman Bwa Kayiman yo (1791), te gen zak rebelyon ki pa t janm mande rete. Epi, islam pa te janm mansyone kòm yon zafè ki te fè kaptif yo bay problèm nan koloni a. Jis sou obsèvasyon sa, nou ka di ke se manti, Boukman pa t pyonye nan Revolisyon ayisyen an.


2- Boukman, èske l te pi gwo chèf lame rebèl la?

Nou dwe, an premye, tabli reyalite a. Nanpren okenn tan kote Boukman te chèf siprèm rebèl yo. Li pa t menm sa lè li te manb yon bann brigan anvan revolisyon an. Ekstrè sila ki parèt nan dat 5 septanm 1790, kidonk 1 lane anvan Bwa Kayiman, montre Boukman kòm yon manb enfliyan nan yon bann brigan ki te genyen "anpil milat" ladan l, sa ale kont ipotèz ke Boukman te nan yon bann etnik ki te mandeng oswa mizilman. Sepandan, Boukman te pataje lidèchip sou teren an ak Barthélemi (Barthélemy) Roquefort, ki te vin kolonèl nan revolisyon an. Men Wa bann brigan sila, se te Yorch (Georges) Biassou, ki te vin Viceroy (Viswa) lame revolisyonè a :
"Extrait du journal des opérations du camp des Mornes, du 5 septembre 1790.
”Il fut pareillement amené quatre nègres, dont trois interrogés ont en résumé fait la déposition suivante, savoir :
Que c'était Barthélemi, nègre de M. Roquefort, de la Petite-Anse, qui y était le chef avec Boukman ; qu'il y a un roi nommé Yorch, nègre de M. Biassou.
Qu'il y a dans la bande beaucoup de mulâtres ; que c'est le colonel [Cambefort] du régiment du Cap qui les a portés à la révolte ; que Barthélemi, premier général, leur a parlé lui-même plusieurs fois au bord de la mer de l'Ouest ; qu'aujourd'hui, à midi, il s'est arrêté audit lieu une goëlette chargée de munitions et provisions qui se portent au camp de l'habitation la Plaigne, et qui leur sont fournies par ce colonel." (1)
Tradiksyon :
"Ekstrè de jounal operasyon kan des Mornes la, nan 5 septanm 1790.
"Yo te mennen, menm jan an, kat nèg, epi twa nan yo ke yo te entèroje, te an rezime, bay deklarasyon sila, sètadi : 
Ke se te Barthélemi, nèg Mesye Roquefort a, ki rete Laptitans, ki te chèf bann an, ansanm ak Boukman ; ke bann an gen yon wa yo rele Yorch, nèg Mesye Biassou.
Ke gen anpil milat nan bann an ; ke se kolonèl [Cambefort] nan rejiman Okap la ki te mennen yo fè rebelyon ; ke Barthélémi, premye jeneral la, te pale ak yo plizyè fwa arebò lanmè nan Lwès la ; jounen jodiya, nan midi, nan kote sa, yon batiman te kanpe, chaje ak zam ansanm ak pwovizyon ki te ale nan bitasyon La Plaigne, e ke se kolonèl sila ki bay yo zam sa yo."
An menm tan, nou pa kapab kache verite a, sètadi, ke Boukman te yon gwo lidè ki pa chita atè. Tout moun ki te patisipe nan goumen kaptif kont opresè yo te dakò sou pwen sa. Kolonèl Cambefort, li menm ki te mennen onz jou batay nan Lakil, kote Boukman te jwenn lanmò, te ba nou yon lide de enpòsans Boukman, nan yon lèt :
"Je continuai à charger les révoltés sur le chemin et dans les cannes (...) nous en tuâmes là une trentaine, avec nos armes-à-feu et nos sabres : de ce nombre se trouva Bouckmann ; il était porteur d'un fusil à deux coups, qu'il déchargea sur moi et M. Dubuisson. C'est M. Michel, officier des mornets - d'une valeur rare - qui l'a tué d'un coup de pistolet. J'en tuai deux pour ma part. Le fusil que portait Bouckmann était celui de feu son maître, M. Clément qu'il avait assassiné. Il avait aussi une paire d'excellents pistolets.
(...)
On ne peut trop apprécier l'avantage d'avoir détruit le chef Bouckmann. (...) Il est bien claire, que Bouckmann était le chef qui avait le plus de crédit sur l'esprit des nègres; et j'espère bien qu'il ne pourra être remplacé.
" (2)
Tradiksyon :
"Mwen te kontinye vanse sou rebèl yo sou wout la ak nan chan kann yo (...) la, nou te touye yon bon trant nan yo, ak fizi epi ak koulin nou : Bouckmann te yonn nan trant yo ; li te gen sou li yon fizi a de kou, ke l te dechaje sou mwen ak Msye Dubuisson. Se te Msye Michel, yon ofisye nan des mornets - ki djanm pase sa w pa konnen - ki te touye l ak yon kout pistolè. Mwen menm, mwen te touye de nan yo. Bouckmann te gen sou li fizi defen mèt li, Msye Clement ke l te sasinen. Li te gen tou yon pè pistolè bèl kalite.
(...)
Nou pap janm ka twò apresye avantaj ki genyen difètke nou te detwi lidè Bouckmann an. (...) Li byen klè ke Bouckmann te chèf ki te gen plis enfliyans sou lespri nwa yo ; e mwen espere ke yo pap ka ranplase l.
"
Pòtre sa ke Cambefort te fè de Boukman, nan 7 novanm 1791 sanble anpil ak jan moun modèn wè lidèchip ewo sila. Anplis de sa, kolon François-Alexandre Beau, ki te patisipe nan batay Franse yo kont Boukman an, te bay limyè sou enpak katastwofik lanmò Boukman sou rebèl Lakildinò yo ki te mete yon pakèt espwa nan li :
Les brigands furent fort affectés de la perte de leur général Bouqman ; après la mort de ce chef vraiment redoutable, ils couraient ça et là dans la plaine, en faisant retentir l’air de cette expression : « Bouqman tué, que ça nou vau! Bouqman tué, que ça nou vau! » [Bouqman n’est plus. Que valons-nous désormais?!]" (3)
Tradiksyon :
"Brigan yo te afekte anpil pa pèt Bouqman, jeneral yo ; apre lanmò chèf vreman tchak sila, yo te kouri adwatagòch nan plèn la, ak yon rèl ki di konsa : « Bouqman tué, que ça nou vau! Bouqman tué, que ça nou vau! » [Yo tchwe Bouqman. Kisa nou vo konnye la?!]"
Menm reyaksyon nan kan Jeannot nan Grannrivyèdinò, lè yon semèn pita, nouvèl lanmò a Boukman te blayi. Obsèvasyon Verneuil Gros, ki te prizonye Jeannot, prouve sa :
"Le 14 [novembre 1791], nous apprîmes la mort de Bouqueman ; il serait impossible de dire qu'elle fut l'impression que cette mort fit sur les nègres. Les chefs prirent le deuil (...) Pour nous, spectateurs, souffrant de tout ce qui se passait, nous étions désolés de cet accident." (4)
Tradiksyon :
"14 [Novanm 1791], nou te aprann lanmò a Bouqueman ; li ta enposib pou n di kijan lanmò sila te boulvèse nwa yo. Lidè yo te pran dèy (...) Pou nou menm espektatè, ki t ap soufri de tout sa t ap pase, nou te gen regrè pou aksidan sa."
Konsa, tout moun sanble yo te dakò sou anpil valè Boukman te genyen nan lame revolisyonè a. Dapre tèks Hérard-Dumesle la, se te Boukman ki te òganize reyinyon preparatwa 14 dawou 1791 la nan Mònrouj. Nan rankont sila, ke pi souvan yo rele Bwa Kayiman, 2 delege nan chak bitasyon, nan katye Laplèndinò, Lenbe, Katyemoren, Lakildinò, Limonad, Laptitans, elatriye, te chwazi dat levekanpe jeneral  la pou 25 dawou 1791.
Men, menmsi yo te apresye Boukman anpil, yon kestyon rete : èske li te chèf siprèm lame revolisyonè a? 
Repons la se non. Malgre ke li motive plis pase tout moun, Boukman pa t chèf siprèm ke rebèl yo te chwazi a. Msye te gen tròp san cho pou l te ka responsab revolisyon an. Yon prèv serye de sa, chita nan fè ke li te mete siskè revolisyon an andanje, lè l te konfonn mèkredi 25 dawou, ki se dat rebèl yo te tabli pou kòmanse goumen an, ak mèkredi 17 dawou, ki se dat Boukman ak yon ti group te limen dife nan bitasyon Chabaud nan Lenbe, nan yon ti kay pi te gen bagas (po kann) :
"Il nous faut revenir à la paroisse du Limbé, ce jeudi [plutôt un mercredi] 17 août, où les secrets se dévoilent... (...) Un petit groupe avait déjà mis le feu à une case à bagasses ; ils se sont enfuis à l’arrivée du colon, qui en a blessé un qu’il a fait prisonnier. Celui-ci, nommé Jacques, un des commandeurs d’une habitation voisine, celle de Desgrieux, a fini par révéler la réunion du 14 août et la décision de lancer l’insurrection. Leur incendie aurait dû en être le signal (...) Leclerc se rend sur place, fait enregistrer les aveux de Jacques, lequel donne des noms que l’on retrouvera : Barthélemy, Paul, Boukman, quelques autres." (5)
Tradiksyon :
"Nou dwe retounen nan pawas Lenbe a, jedi sa [se te pito yon mèkredi] 17 dawou, dal sekrè yo devwale... (...) Yon ti gwoup te deja mete dife nan yon kay bagas ; yo te kouri al kache nan parèt kolon an, ki te blese yonn nan yo ke li te kenbe. Nonm sa, yo rele Jacques, yon kòmandè nan bitasyon vwazen an, pa Desgrieux a, te fini pa revele reyinyon nan 14 dawou la, anssanm ak desizyon pou lanse levekanpe a. Dife yo  te liment an, ta dwe siyal soulevman an (...) Leclerc te ale sou sit la, li te pran konfesyon Jacques la, ki bay kèk non ke nou pral rejwenn pita : Barthélemy, Paul, Boukman, ak kèk lòt."
Dife anvan lè sila, ke bann Boukman an te limen, te lakòz arestasyon Jacques Cautant, kòmandè nan bitasyon Desgrieux, yon kote kaptif yo te pi cho. Epi, vin gen arestasyon François (Dechaussée oswa Defeau)*, ki se yon milat esklav Chapotin. Nan keksyonman yo, otorite yo vin aprann tout nannan konplo kaptif yo t ap makonnen an. Sa, se te yon fòt ki ta ka fatal, si kolon yo te pran oserye danje ki t ap menase yo a. Erezman, se pa te ka a.


3- An konprann kontèks politik ak relijyon an

Si nou pa bay esplikasyon, tèks pi pral swiv yo kapab konfonn lektè a. Paske yo devwale sa moun pa ta panse, ki se yon relasyon kole ke rebèl Sendomeng yo te genyen ak wayote peyi Lafrans, ak legliz kotalik, epi ak Panyòl yo ki te rete nan pati lès zile a.
Yon esplikasyon rapid de relasyon sila pral ede lektè a idantifye motivasyon group yo ki t ap aji nan kòmansman revolisyon ayisyen an, jouk esklavaj te aboli ofisyèlman an 1794, ak lè Toussaint Louverture vin otorite nan koloni a.
Revizyonis loksidan (kretyen) yo rele relasyon ke nou mansyone a, ansanm ak desizyon ki soti de li, aspè "politik" revolisyon ayisyen an. Akozke yo erosantrik (kidonk yo bay zafè Leròp plis enpòsans pase pa tout lòt sivilizasyon), epi yo menm rasis, revizyonis loksidan-kretyen sa yo kwè ke relijyon zantray revolisyonè yo pa t ka mache ak reflesyon. Se pou sa, revizyonis yo pa aksepte lide ke sèvis zantray yo te kapab makònen ansanm ak estrateji militè ak politik ki ka bay laviktwa. Se poutèt sa yo prefere aspè "politik" la ke yo plase kont aspè "relijyon" an ke yo fè konnen te jis sèvis zantray rebèl yo ki pa t efikas. Sepandan, relijyon (ki te asosye ak wayote) te nan nannan entèraksyon, deklarasyon, desizyon ak estrateji rebèl nwa yo, ak sipòtè blan yo. Men, revizyonis loksidan yo retire sèvitè zantray nan desizyon politik-militè yo, san yo pa oze kesyone lejitimite pè katolik yo ki te abitye potekole nan aspè militè ak politik revolisyon ayisyen an.**

Sitiyasyon politik ak relijyon rebèl yo, nou ka esplike l vit epi fasilman :
  • An jiyè 1651, misyonè jezwit yo (ki se yon jan de katolik) te jwenn pèmisyon pou yo te vin rete nan Sendomeng, ki, nan lè sa, te yon koloni franse yo te pran nan daso. (6) Jezwit yo te tabli nan Nò a, kote revolisyon an te gen pou l eklate.
  • Nan 1679, zansèt Ayisyen yo te fèk parèt nan zile a. (7)
  • Nan mwa mas 1680, Louis XIV pibliye Kòd Nwa a, Atik 2 ak 3 nan Kòd Nwa sa mande ke tout esklav yo "dwe batize epi edike nan relijyon katolik la" nan wit jou nan apati de moman yo debake a ; epi Kòd Nwa a entèdi yo "egzèsis anpiblik de kennenpòt relijyon ki pa katolik." (8) Mo "edikasyon" an fè sans anpil. Paske li pral fè pè Jezwit yo, ki se gwo wayalis (kidonk, fanatik wa Lafrans la), vin kole sere anpil ak popilasyon kaptif nan Nò a.
  • Nan 29 novanm 1753, yon lèt ke pè Sacy, yon "prokirè", (kidonk yon gwo responsab) jezwit yo, ekri, ban nou yon lide sou enpòtans ke otorite nan relijyon sila mete sou pwoteksyon wayote a : "Yo pral, Monseyè, gen plis anvi obeyi, nan tout okazyon, lòd Wa a, lè yo pral wè, nan fen lèt ou a, kijan Monwa renmen fè yo santi pwoteksyon wayal li nan tout sa ki gen rapò ak Relijyon an, epi ak pratike travay pè yo a." (9) Epi, kontrèman ak peyi Brezil, kote te gen konfreri kaptif ki te separe pa gwoup etnik, sa ki te ankouraje rit zantray yo devlope separe selon Nanchon yo (10), nan Sendomeng (Haïti), entèdiksyon konfreri yo te pèmèt Nanchon yo oswa gwoup etnik yo boukante rit yo. Konsa, yo te fè yon sèl relijyon djanm ki te kapab krabinen krisyanis batpran an.
  • 24 novanm 1763, lòd pase pou mete jezwit yo deyò akozke yo te konplis nan rebelyon kaptif yo. (11)
  • 17 desanm 1784, yon dekrè wayal soti pou defann dwa kaptif yo, epi pou diminye move tretman yo jwenn nan men administratè ak geran bitasyon yo. (12) Malgre ke otorite koloni a pa te aplike jan yo ta dwe, dekrè sila te kanmenm bay kaptif yo prèv ke wayote a te gen kè sansib pou yo, epi ke administrasyon koloni a pa t vle sa k bon pou yo. Jan de pawòl konsa, kaptif yo te tande l anpil fwa nan bouch misyonè yo (jezwit anvan, epi kapisen, ki te ranplase jezwit yo).
  • 23 desanm 1785, yon dezyèm dekrè wayal konfwonte "administrasyon visye" administratè ak geran bitasyon yo. Paske nonm sa yo t ap reziste lwa ki te chache rann lavi kaptif yo miyò a. (13)
  • 1789, revolisyon franse a te voye wayote ansanm ak legliz katoliz jete. Kaptif yo te wè chanjman sila kòm pèdi yo pèdi sèl grenn sipò ke yo te jwenn genyen nan wayote ak reprezantan li yo, ki se pè katolik yo. Tout Lewòp, ki te rete wayalis, te vin lenmi Lafrans ke yo te konsidere tankou ate, espesyalman peyi Lespay (ke wa li a, Charles IV, te fanmi pre Louis XVI, wa franse a). (14)
  • 1789, Deklarasyon Dwa Lòm te fèt nan peyi Lafrans. Li pral fè milat lib ak nwa lib yo Sendomeng yo mande menm dwa politik ak rès popilasyon blan an. Sepandan, deklarasyon dwa lòm lib sa pa gen anyen arevwa ak pèp kaptif la ki te swete pouvwa wayal la ta retounen, paske l te pi bon avè yo.
  • 1790-1791, ajitasyon nwa lib ak milat lib nan pati Nò a. Yo te repibliken (kidonk pou repiblik franse ki te kont wayote a). Yo te chache gen egalite nan dwa ak blan yo. Otorite koloni a te rive egzekite lidè nwa ak milat lib yo (Ogé ak Chavannes). Epi yo te lage chalbarik dèyè fanatik Ogé ak Chavannes yo ki te kouri met deyò.
  • 15 me 1791,  yon dekrè lage egalite politik nan men nwa ak milat lib yo. Men sèlman sila yo ke manman ak papa yo te lib lè yo te fè yo. Dekrè sa te lakòz anpil nan gwo mèt tè blan fè kòlè. Blan sa yo te wayalis oswa pou endepandans. Kèk nan yo te wè popilasyon kaptif wayalis la tankou yon dal egare ke yo ka itilize pou goumen pou yo.
  • 1791, yon fo dekrè wayal pran sikile. Li anonse 3 jou konje pa semèn pou kaptif yo, epi entèdiksyon kout rigwaz. Fo dekrè sa, yo kwè, li se envansyon nwa ak milat lib yo, ki poutan, te repibliken ki te nan kraze brize ak Chavannes ak Ogé. Men, nwa ka milat lib sa yo te rann yo kont ke laviktwa a chita nan itilize kaptif yo ki wayalis yo nètalkole. (15)
  • Mwa dawou 1791 le 14, reyinyon politik ak relijyon nan Mònrouj. Ladan l, yon metis (milat oswa grif) te li fo dekrè a bay 200 kòmandè, chofè ak lòt elit bitasyon yo ; ansanm ak kèk chèf mawon tankou Jean-François Papillon, yon ansyen chofè.
  • 21 dawou, konplotè yo fè yon dezyèm reyinyon politik ak relijyon, pa trò lwen Mònrouj.
  • 22 dawou, levekanpe jeneral la pete. Rebèl yo rele tèt yo "Gens du Roi", kidonk "Patizan Wa Lafrans la".
  • Fen 1791, nan pawas ki te boule yo (Lenbe, Grannrivyè, Dondon, Mamlad, elatriye), anpil pè katolik pa t kouri. Olye de sa, yo te pito al jwenn rebèl yo, e souvan, yo te potekole nan kan rebèl yo. Menm Panyòl wayalis ak katolik yo te konn ale nan kan rebèl yo. Yo te konn pote manje ak zam, ke yo te konn chanje pou kafe, milèt ak lòt zafè ke rebèl yo te fè dappiyan sou yo.
Me, an rezime, sitiyasyon politik ak relijyon an ki te genyen nan premye lane nan revolisyon ayisyen an. Reyalite sa byen parèt nan ekriti yon Panyòl ki t ap bay rebèl yo zam pou defann wa a. Ekrit Panyòl la te pale tou de jan rebèl yo konn ap vanse ak rèl "Viv wa a! ak Ansyen rejim an" :


 "La lettre suivante, trouvée sur l'habitation Galiffet, en fournit la preuve " "Je suis fâché que vous ne m'ayez pas prévenu plus tôt que vous manquiez de munitions : si je l'avais su, je vous en aurais envoyé, et vous recevrez incessamment ce secours, ainsi que tout ce que vous me demanderez quand vous défendrez les intérêts du roi.
"Signé DON ALONZO"

À la même époque, un parlementaire des insurgés se présenta devant le Port-Margot, précédé d'un drapeau blanc sur lequel était écrit, d'un côté : Vive le roi ! et de l'autre : Ancien régime. Il était porteur d'une déclaration écrite ayant pour teneur :
"Qu'ils avaient pris les armes pour la défense du roi, que les Blancs retenaient prisonnier à Paris parce qu'il avait voulu affranchir les Noirs, ses fidèles sujets ;
Qu'il voulaient donc cet affranchissement et le rétablissement de l'ancien régime ;
Moyennant quoi les Blancs auraient la vie sauve et pourraient retourner tranquillement dans leurs foyers, mais qu'ils seraient préalablement désarmés."" (16)
Tradiksyon :
"Lèt sila, ke nou te jwenn nan bitasyon Galiffet la, bay prèv de sa : "Mwen fache ke w pa t prevni m pi bonè ke w t ap manke zam : si m te konnen, mwen ta va voye pou wou, epi ou pral resevwa sekou sa titalè, ansanm ak tout sa w va mande lè w ap defann enterè wa a.
"Siyen DON ALONZO"

Nan menm epòk la, yon pòtparòl rebèl yo te parèt Pòmago, yon drapo blan te pran devan li ak ekriti, yon bò : Viv Wa a ! epi lòt bò a : Ansyen rejim. Pòtparòl la te vini ak yon tèks ki di konsa :

"Ke yo te pran zam pou defann wa a, ke Blan yo te fè l prizonye nan vil Pari, paske li te vle libere Nwa yo, fidèl sijè li yo ;
Ke yo te vle libète sa menm, ansanm ak retounen ansyen rejim an ; Si yo fè sa, Blan pap mouri epi y ap kapad retounen trankilman lakay yo, men fòk yo dezame anvan."" 
Apatide eksplikasyon sa yo, diskou, entèraksyon ak ajisman rebèl yo ap fè plis sans pou lektè a. 



4- Boukman anba lòd Jean-François Papillon

Plizyè mwa anvan reyinyon Mònrouj nan 14 dawou 1791 la, chèf siprèm lame rebèl la te lonmen, e se pa t Boukman, men Jean-François Papillon. Msye te pale de pi gro responsablite sa yo te bay li a, ak anpil imilite :
"Ce n'est pas moi qui me suis institué général des nègres. Ceux qui en avaient le pouvoir m'ont revêtu de ce titre..." (17)
Tradiksyon :
"Se pa mwen ki te bay tèt mwen tit jeneral nwa yo. Moun ki te gen pouvwa yo te banm tit sila..."
Jean-François te yon kreyòl, li te fèt vè 1765, sou bitasyon Papillon (Papiyon) nan Lakil (dinò). Kontrèman a Boukman ak lòt chèf revolisyon an, li te mawon 4 lane anvan levekanpe jeneral 1791 la : 


"Jean-François, créole, âgé d'environ 22 ans, de la taille de 5 pieds 6 pouces, fluet, assez bien de figure, ayant sur le côté droit du sein l'étampe RB, au dessus Sr M. , & une longue cicatrice sous le menton : ceux qui en auraient connaissance sont priés d'en donner avis à M. G. Papillon fils, négociant au Cap-Français, à qui il appartient." (18)
Tradiksyon :
"Jean-François, kreyòl, li gen apeprè 22 an, wotè li 5 pye 6 pous, li mens, ase bo gason, li make sou bò dwat lestomak li RB, anwo Sr M. , ak yon mak long anba manton li : moun ki gen konesans de li,  tanpri voye nouvèl bay M. G. Papillon jinyò, ki komèsan nan Kap Franse, ki se mèt li."
Nonm Jean-François Papillon oswa Jean-François Petekou sa, se te yon lidè ak talan ki te kreye baz siksè revolisyon ayisyen an, akozke l te tabli yon lame disipline, kowòdone epi, ki, depi premye jou yo, te kominike alekri ak efikasite. Antanke Wa revolisyon an, Jean-François te gen dwa sou lavi ak lanmò sòlda l yo. E se konsa li te bay lòd touye Boukman (ak Paul Bélin, ke Jeannot Bullet te touye) :
"On trouva dans la poche de Georges, l’un des chefs des révoltés qu’on avait tué, un billet conçu en ces termes : « Je donne pouvoir et j’ordonne à Georges, major général de ma cavalerie, de tuer les nommés Bouqman et Paul partout où ils se trouveront, signé J.-François Roi. » Quels pouvaient être les motifs qui avaient excité le chef suprême de l’armée noire à exhiber un ordre pareil? Je présume que c’est parce que Bouqman et Paul ne s’étaient point emparés du camp des Mornets en même temps que Jeannot avait enlevé celui du Dondon, et de plus parce que les chefs commandaient despotiquement dans leur arrondissement et ne voulaient point reconnaître Jean-François pour leur supérieur." (19)
Tradiksyon :
"Nou trouve nan pòch Georges, yonn nan chèf rebèl yo ke nou te tiye, yon bout papye ki di bagay sa yo : « Mwen bay Georges, majò jeneral kavalri mwen, pouvwa, e mwen òdone li tiye nonm Bouqman ak Paul yo, kennenpòt kote yo ta va ye, siyen J.-François Wa. » Ki sa k ta fè chèf siprèm lame nwa yo bay gwosè lòd sa? Mwen panse ke se paske Bouqman ak Paul pa t ka met lapat sou kan des Mornets a, pandan ke Jeannot limenm te reyisi pran Dondon, epi anplis, chèf sa yo te kòmande ak gwo ponyèt nan zonn yo, e ke yo pa t vle rekonèt Jean-François kòm siperyè yo."
Anplis de sa, rezon sa yo pèmèt nou di ke Jean-François pa t yon mizilman :
  • Pouvwa chèf li, ansanm ak pa madanm li, Charlotte, te sakre ofisyèlman, non pa nan men yon imam oswa "iman", men nan men pè Cachetan, yon pè katolik anchèf nan Laptitans, ki : "te kouwonnen nèg Jean-François a ak nègès Charlotte la wa ak rèn Afriken yo, ak chèf revòlt la." (20)
  • Li te yon kreyòl, kidonk, li te fèt nan zile a. Konsa, li pa t gen kontak ak islam, jan yon kaptif ki te fèt nan Ginen te ka genyen. (21-22)
  • Anplis, yon prèt katolik, pè Vasquez, yon Panyòl ki te konn ekri li anpil lèt, te selebre maryaj li ak Charlotte : "Jean-François married his common-law-wife, Charlotte so that it could not be said that a Spanish general was living in sin. She received silk stockings from Governor Garcia as a wedding present, he received a stern lecture from Father Joseph Vasquez about marital fidelity." (23) (Trad.) : "Jean-François te marye ak Charlotte, ke l te plase avè l, pou anpeche yo di ke yon jeneral panyòl t ap viv nan peche. Charlotte te resevwa ba an swa nan men gouvènè Garcia kòm kado maryaj, li [Jean-François], te reseswa paròl di Pè Joseph Vasquez sou fidelite nan maryaj." 
  • "Li konn mete yon kostim jeneral ki kouvri ak galon, chaje ak kòdon ansanm ak kwa". (24) Men, islam entèdi pou yon mizilman pote kwa sou li, paske sa konsidere tankou fetich.
  • Ajisman ki pa mache ak islam, msye te renmen pwomennen ak ti demwazèl (ki pa marye), jan Toussaint te pale de sa nan yon lèt pou Biassou : "Mwen te pran anpil prekosyon nan zafè sa, ou ka fè Bouqueman konnen sa : kanta Jean-François, li ka toujou ale nan machin ak demwazèl li yo..." (25)
  • "Prèt an chèf nan Dondon an, se omonye (prèt katolik yon lame) Jean-François." (26)
  • Msye te konn al chache "konsèy pè de la Haye, pè anchèf nan Dondon, ak pè Bien-Venu." (27)
  • Li te fè alyans ak Panyòl yo ki gen repitasyon pa vle wè mizilman (dapre revizyonis mizilman Sylviane Diouf limenm, ki te montre ke Panyòl yo te pase 5 lwa kont mizilman nan 50 premye lane yo te tabli nan Lamerik). (28)
  • Msye te jire l ap rete fidèl bay peyi Lespay, nan yon legliz katolik, devan pè Vasquez. "Apenn li te fè konnen li te dakò, yo te mennen l legliz, epi nan mitan lamès ke yo t ap chante a, Jean-François, yon jenou atè, yon bouji limen nan men l, te rele fò : "ke m brile nan lanfè, tankou bouji sila, si janmen mwen vire do bay kòz wa Lespay la."" (29)
  • "Jounen 4 janvye 1796 la, Jean-François kite Fòdofen pou Lahavàn, epi, li ale nan Lespay." (30) Yo te aksepte l nan peyi Lespay (ki kont mizilman), nan vil Cadix, kote li mouri nan lane 1805. (31)
  • Nan lèt nan dat 4 septanm 1791 ke l te voye bay Franse yo, li pa t janm pale de ankenn pwoblèm ke yon mizilman pa t ap manke pa pale de yo. Olye de sa, li pale de wa a ak linivè : "wa a ak linivè pran plenn sò nou, e yo te kase chenn nou te pote yo".  Li te deklare deviz li, ki pa t islamik "Bondje ki konbat pou inosan an, se li ki gid nou, li pap janmen abandone nou, kidonk, me deviz nou : Genyen oswa lanmò." Msye te pale de libète oswa lanmò, epi de sa l ta swete : "nou pa manke ni poud kanno, ni kanno, konsa se lanmò oswa libète. Bondje vle fè nou pran l san san pa koule, tout sa nou swete gen pou yo akonpli." (32)
  • Dekore ak kwa Saint Louis a ansanm ak lòt senbòl wayalis, pandan lame l t ap gade, li mete ajenou devan Komisyonè Mirbek, kòm yon siy de respè pou Wayote a ke msye te reprezante : "Plis pase mil senk san je te rive wè, tankou m, premye lidè yo, Jean-François, kokad blan an nan chapo l, kwa Saint Louis a ak kòdon wouj la sou lestomak li, tonbe ajenou sou bitasyon Saint-Michel la, de san pa de bann li 'yo, devan komisè sivil Mirbek ki t ap pale l nan non wa a. Reyalite sa a pou kont li, ak san lòt nan menm jan an, ke m ka site, kapab pwouve ke enfliyans ke wayote a te toujou gen sou Lespri yo." (33)
Ansanm agiman sa yo fè tout dout kaba. Jean-François pa t mizilman. E Boukman ki te goumen bò kote l pa ta dwe mizilman tou.


5- Boukman anba lòd Georges Biassou

Jan nou te wè nan lèt 5 septanm 1790 la, Boukman te sèvi anba lòd Georges Biassou menm anvan levekanpe jeneral 1791 la. Epi lòd nan ran sila te konsève. Georges Biassou te vin gen tit Vis-Wa lame revolisyonè a, dirèkteman apre Jean-François Papillon, ki te Wa a, pandan ke Boukman pa t menm nan twa pi gwo chèf yo.
E pou relijyon Biassou, pwen sa yo pral montre byen klè ke msye te yon tradisyonalis, e ke li pa t milzilman :
  • Biassou te yon kreyòl, kidonk, li te fèt sou zile a, e li pa t gen kontak ak islam. Men si l te genyen l, se pa t anpil. Msye te fèt nan vil Kap Franse. Granmoun li, Charles ak Diane, te 2 Nwa. (34) Yon lèt Toussaint, nan dat 15 oktòb 1791, te refere a manman ak sè Georges Biassou. (35) Anplis, nan mwa janvye 1792, li gen lè te libere manman l, ki gen 80 lane, e ki te kaptif nan lopital Pè Lacharite a nan Odikap. (36)
  • Li te "anvan, esklav Pè Lacharite yo, toupre Okap." (37) Sa vle di ke li grandi nan relijyon katolik ki te melanje ak relijyon zantray la, ke pi fò kaptif nan zile a t ap pratike.
  • Yo te rekonèt li kòm "moun ki te pi kwè nan sipèstisyon nan tout sa k t ap kòmande yo." (38)
  • Yo te wè l tankou yon Houngan, yon gran sèvitè nan Tradisyon zantray la : "Li te antoure tèt li ak bòkò, majisyen, e yo te fòme konsèy li. Tant li te chaje ak ti chat, tout koulè, koulèv, zo mò ansanm ak tout lòt zafè, ki se senbòl sipèstisyon Lafrik". (39)
  • Li te antoure ak fanm ki te apèn abiye : "Pandan lannwit, boukan dife te limen nan kan li ; fi toutouni t ap danse dans terib toutotou boukan sa yo, pandan y ap lage gouyad, epi y ap chante langaj ke yo ka konprann sèlman nan dezè Lafrik" (40)
  • Li te konn bay sòlda li yo enspirasyon ak prèch relijye ki pale de Nan Ginen, kidonk, tounen nan "Lafrik" zansèt yo apre lanmò : "Lè eksitasyon an te rive nan wotè maksimòm li, Biassou, epi bòkò li yo ki swiv li, te prezante devan foul moun la epi li rele ke lespri Bondye te enspire l ; li te anonse Afriken yo ke si yo mouri nan lagè a, yo pral reviv nan ansyen nanchon yo nan Lafrik." (41)
  • Li te konn preche nan mitan chante ak tanbou zansèt yo, e sa se yon pratik islam entèdi : "Konsa, rèl terib te kontinye nan fon bwa yo ; chante ak kout tanbou grav te rekòmanse, epi Biassou te profite nan moman eksitasyon sa yo pou l pouse bann li yo kont lenmi a ke yo pran pa sipriz nan gwo lannwit." (42)
  • Li "te renmen fanm ak bwason". (43)
  • Anfèt, li te fanatik "bwason fò ke li te ekzajere nan renmen" epi yo te "konn fè li pèdi rezon li anpil fwa". (44)
  • Li te pran swen prèt katolik yo, ki te gen ladan l pè Delahaye nan Dondon, konseye li, ke li te konn voye vyann bay li regilyèman. (45)
  • Li te ekri pè Delahaye pou l ba li asirans, lè pè a te enkyete l sou sò prèt nan Lenbe ak Laptitans yo ki t ap kolabore avèk rebèl yo "M ap vide jouk dènye gout san m pou m defann dwa nou yo ak pa w". (46)
  • Li te mande pè Delahaye pou l chante yon lamès ofisyèl pou li, pou fete tit ofisyèl li ki se Vis-Wa. (47)
  • Nan yon lèt li te ekri bay yon prèt, li te relye revolisyon ki t ap fèt la ak kòz wayote Lafrans ak relijyon katolik ke l te konsidere l te fè pati de li : "Kòm mwen panse ke ou se mèt pawas ou, kòm se wa a ki mete w la, epi si n ap fè revolisyon sa, se pou sipòte dwa wa a, ki se mèt nou, ansanm ak relijyon nou an, e mwen kwè yo pa ka anpeche relijyon nou an simaye." (48)
  • Li te bay pè Philémon wòl Gran Omonye lame li a. Prèt katolik sa "te konfese l de fwa pa semèn, epi te fè l kominyen egzakteman chak dimanch. Epitou, apre kèk tan, Biassou pa t vin plis pase premye sòlda nan yon lame ki gen Philémon kòm chèf li. (...) Pandan ke tanbou lagè a t ap bat nan kan Biasson a, pou rele nwa yo vin goumen, Philémon te enspekte ranje sòlda yo, e kòm li te pale lang nwa yo trè byen, li te konn bay yo diskou ki mache nan san yo." (49)
  • Paske li te bay rebèl yo sipò, otorite yo te arete epi pandye pè Philémon. Yon kolon ki te asiste pandezon sila, te ekri : "Biassou te fè yo chante fineray pè Philémon, ke rebèl yo te konsidere kòm yon matir nan relijyon an ak nan bon jan kòz la. Rad ke li te kite nan kan an, rebèl yo te koupe yo an ti moso, epi chak nwa te pote yon moso sou li, tankou yon dyòk (talisman) ki kapab menm anpeche l jwenn lanmò." (50) Pran bout nan rad defen pè Philémon pou fè dyòk oswa proteksyon majik, se yon pratik tradisyonalis. Pratik sa prouve ke se vre, kèk semèn anvan sa, rebèl yo te itilize pwal yon kochon yo te touye nan yon sèvis, pou fè proteksyon majik ak li. 
  • Finalman, Biassou ki, tankou Jean-François, te goumen pou peyi Lespay ki kont mizilman, nan 1796, msye te jwenn ekzil nan Sen Ogistin (Saint Augustine) nan  Florid, ki, nan tan sa, te yon teritwa Panyòl, kote li te mouri nan lane 1801. Lè l te prèske mouri, li te resevwa, sou kabann li, yon konfesyon katolik. (51) Epi, natirèlman, yon kokennchenn lamès katolik te chante nan katedral la, pou ofisye ewoyik sila. (52)
Kidonk, li enposib ke Biassou ta va mizilman, lè li te genyen yon relasyon marasa ak pè katolik, an menm tan li t ap pratike relijyon zantray la ki gen kèk moso katolik ladan. 


6- Boukman anba lòd Jeannot Bullet

Jeannot Bullet, ki se twazyèm nan ran nan lame revolisyonè a, te pi tchak pase tout lòt chèf yo. Epi, menm jan ak Jean-François, Biassou oswa Boukman, msye te yon tradisyonalis, dapre ofisye franse sila :
"Jeannot : Africain et non créole, ce chef des premières heures de l'insurrection servile, réputé pour sa cruauté, qui se disait le vengeur d'Ogé et de Chavannes, était, selon les colons, un sectateur du vaudou, comme Boukman." (53)
Tradiksyon :
"Jeannot : Afriken, e pa kreyòl, limenm ki yon lidè nan premye tan levekanpe esklav la, yo te rekonèt li pou mechanste l, e li te konn di l ap pran revanj pou Ogé ak Chavannes, li te, dapre kolon yo, yon patisipan nan vodou tankou Boukman."
Kolon sila te rekonèt Jeannot kòm yon majisyen :
"C'est là qu'un monstre, nommé Janot, qui était le magicien des noirs..." (54)
Tradiksyon :
"Sa se yon mons, yo rele Janot, ki te majisyen nwa yo..."
Lòt kolon sa menm, di Jeannot se yon bòkò, epi kolon an te relye rebèl yo ak kanmarad Boukman yo,  ak "Zonbi" epi "Ouanga" (Wanga) ke yo jeneralman relye ak "vodou",*** nan pa konprann


"on ne leur parle que de zombis et de ouanga, c'est-à-dire, de revenans et de sortilèges, qu'ils avaient appris à braver sous notre tutelle. Hélas! six mois seulement après avoir été livrés à eux-mêmes c'est-à-dire, à tous les maux d'une incivilisation corrompue, pire que l'état sauvage, ils ne revaient presque tous que fantômes, sortilèges, maléfices et poisons ; ils eurent même des sorciers en titre. Un nommé Jeannot, esclave sur l'habitation Bulet, fut à la fois général, médecin de l'armée et sorcier." (55)
Tradiksyon :
"yo sèlman pale yo de zonbi ak ouanga [wanga], kidonk, de fantom ak bay madichon, ke yo te aprann pa pè anba titèl nou an. Elas! sèlman sis mwa apre yo te fin lage pou tèt yo, sa vle di, lage pou tout mizè ke yo jwenn nan pa sivilize koronpi yo a, ki pi mal pase viv nan sovaj, yo prèske pa reve de anyen lòt ke fantom, majik, bay madichon ak pwazon ; yo te menm bay bòkò tit. Yonn yo nonmen Jeannot, esklav sou bitasyon Bulet, te anmenmtan doktè lame a epi jeneral ak bòkò."
Sou zafè islam la, agiman sa yo pral demontre ke Jeannot pa te gen okenn koneksyon ak relijyon sila :
  • Jeannot te konn al lamès : "Nou te wè li [Jeannot] ale lamès yon kote yo rele Grannrivyè, nan yon charyo ke sis cheval ap tire, epi 200 nwa sou do cheval akonpaye l." (56)
  • Jeannot ak sòlda nan kan li yo te konn bwè alkòl, yon pratik ki entèdi nan relijyon islam, nan koran (16: 115). Nan dat 26 oktòb 1791, kidonk, pandan ke Boukman te vivan, kolon Verneuil Gros ki te prizonye nan kan Jeannot nan Grannrivyè, te di, lè yo te mennen li nan kan sila, yo te sèvi l tafya, kidonk alkòl fò : "yo te ba nou, yon mitan mil ensilt, kèk gout tafya." (57)
  • Epitou, Jeannot te abitye bwè san viktim li yo : "Nou te wè Jeannot, milat yo rele Delile la ak Godar nwa a, koupe de nan moun yo t ap maltrete yo nan plizyè moso, epi yo mare de lòt yo alakrapolin, kidonk tankou yon poul yo mare nan pozisyon yon krapo, epi yo bwè san yo (...) menm trajedi a te repete nan demen, ensideswit." (58) Men, koran (16: 115) entèdi mizilman bwè san tou, kèlkeswa san an.
  • Te gen prèt katolik nan kan Jeannot a :"prèt nan Grannrivyè a te viv avèk esklav rebèl yo depi 27 dawou 1791, lè Jeannot te kenbe li.  Prèt nan Dondon an te kòmanse menm eksperyans sa, pita nan 10 septanm 1791, lè menm Jeannot sa te pran Dondon." (59)
  • Dapre Verneuil Gros, yon pè katolik ke l te wè, te gen privilèj nan kan Jeannot a : "Kòmandan nwa esklav la yo rele Sans-Souci (yon trè move grap), te di, lè l ap fè wonn kay la. Pai z'autres, bon père après dromi. [Pe la, bon pè ap dòmi !]
    (...)
    Nan denmen maten nou te wè yon prèt nan galri a : li te pwoche nou epi l te di yon pawòl ki te fè san nou tresaye : pitit mwen yo, nou dwe konnen mouri, Jezikri, Seyè nou, te mouri pou nou sou lakwa. (...) Depi lè sa, nou te wè menm prèt sa anpil fwa, nan tout kan nan Grannrivyè yo. li te prèt ki responsab pawas sa." (60)
  • Nan dat 7 novanm 1791, ki se menm jou lanmò Boukman nan Lakildinò, Panyòl yo (ki kont mizilman) te vizite kan Jeannot nan Grannrivyèdinò a, pou yo te vann li zam : "Nan 8 è nan maten, nou t ap pwomennen ak pè Bien-Venue nan sal gouvènman an, (pou m itilize pawòl revòlte yo) nou te wè yon sèjan-majò de yon rejiman panyòl antre, yo di nou ke li tabli sou frontyè a, twa tirayè te akonpanye l. Yo te mennen de gwo barik poud kannon pou brigan yo...." (61)
  • Panyòl yo ak rebèl yo te pale sou koz komen yo, ki se kenbe relijyon (kretyen) an ak wayote a (sèl otorite ki te pran ka kaptif yo, dapre rebèl yo) : "malere sa yo te vire konvèsasyon an sou revolisyon franse a : dapre yo, se wòl yo pou vanje wayote a ki te imilye, epi fè ansyen pouvwa retounen. Yo te pale de nou tankou yon nasyon ki te pèdi bon jan kalite nonm li, ki pa rekonèt wa a amkò, epi ki pèdi tout sans de relijyon, ki kouvri ak krim, epi ki merite pinisyon pi grav yo." (62)
  • 1 novanm 1791, pandan egzekisyon li sou lòd Jean-François, Jeannot te resevwa dènye sakreman li nan men yon prèt katolik, pa yon imam : "Prèt sa, se te pè Bien-Venu, ki prèt responsab nan Mamlad, ki te profite de yon bon moman pou l te proche nou, epi louvri kè li ba nou. (...) Li te fè nou konnen tou, ke se li ki te ankouraje mons sa [Jeannot] nan lanmò, paske lè lè a te rive pou yo te fizye l, li te mande l, sou tout sa ki pi sakre, pou l ka fè Jean-François fè l gras." (63)
  • Jeannot te pran yon dal lamès kredi nan men pè Roussel, jouk yon gwo dèt te monte. "Dapre pè Roussel, Jean-Francois te asire l ke l ap responsab dèt ke Jeannot te gen pou li yo, dèt sa yo te pou lamès ke pè a te chante pou li." (64)
  • Finalman, Jeannot, dapre yon temwen ki te la, te resevwa yon fineray ke yon gwo sèvitè relijyon zantray la te merite : "Janot, ki te majisyen nwa yo (...) swa ke popilarite l te fè l jalou, [Jean-François] te vini, nan tèt bann gad li yo, arete l epi li te fè fizye l. Nwa yo, ki chaje ak rèspè pou gwo bòkò yo sa, te fè kokennchenn fineray pou li. Mwen te wè kavo yo bati pou li a." (65)
Pa gen okenn dout ke Jeannot, pa t gen anyen arevwa ak yon mizilman. Li pratike yon relijyon zantray senkretik (kidonk ki melanje zantray ak katolik) menm jan yo toujou ap pratike l ann Ayiti.


7- Paul Blin, matir la

Boukman ak Paul Blin (oswa Belin) te swiv Jeannot nan ran. Nou pa genyen, pou moman sa, ase enfòmasyon pou nou kapab trase pòtre relijyon ewo sila. Nou konnen, sepandan, li te kòmandè sou bitasyon Blin nan Lenbe, epi ke yo te denonse l kòm yonn nan premye chèf konplotè nan revolisyon an. Kòm li te chape poul li de Lenbe, msye te entrouvab jouk kòmansman lagè a, lè madanm li, ki te trò gen bon kè, te fòse l pote sekou bay mèt li (Baillon) ak madanm mèt sila. (66)
Malerezman, pou rezon nou pa konnen, lanmò a Paul Blin, osi byen ke pa Boukman, Jean-François te reklame yo. Jeannot te pran chaj egzekite Paul Blin ak anpil mechanste. (67) Sa sigjere nou ke akizasyon kont li yo te grav anpil
.


8- Boukman, kanmarad Toussaint Louverture

Ofisye ki te vini apre, nan grad, se te Toussaint Louverture. Msye te èd-de-kan Biassou, epi doktè lame a. Li te di ak pwòp bouch li, ke li te katolik :
"Le dimanche et les fêtes, nous allions à la messe, ma femme, moi et mes parents." (68)
Tradiksyon :
"Ledimanch ak jou fèt, nou ale lamès, madanm anm, mwen menm ak fanmiy anm."
Detoutfason, sòlda Toussaint yo te konn al lamès tou. Sa retire posiblite pou lame revolisyonè a ta va mizilman :
"Il [Toussaint-Louverture] manquait rarement d'assister à la messe (...) Souvent s'immisçant aux fonctions du sacerdoce, il commentait le sermon du curé, haranguait le peuple et ses soldats." (69)
Tradiksyon :
"Li [Toussaint-Louverture] manke lamès raman (...) Anpil fwa, li patisipe nan sèvis la, li kòmante sèmon pè a, preche bay pèp la ak sòlda l yo."
Kanta koze islam la, agiman sa yo pral fè nou wè ke Toussaint de lwen relijyon sila :
  • Toussaint te yon kreyòl. "Li te fèt sou bitasyon Bréda, toupre Okap", (70)  sa rann posiblite ke l ta va gen kontak ak islam piti anpil.
  • Lè, nan yon tan, lafwa kretyen l t ap baskile, li te met dife nan yon presbitè nan Gonayiv, apre l te fin priye ladan, epi li te pase yon krisifi anba pye l pandan li rele : "Non, mwen pa vle sèvi BONDYE sila ; mwen pa vle kwè nan li ankò. Li se lenmi ras mwen. Li se sèlman BONDYE blan yo." (71-72) Men, ke w vle l ou pa, islam se yon relijyon arab li ye. Allah (Ala), se vreman pa Bondye ras Toussaint an.**** Fò n di tou, ke langaj Toussaint an fè n sonje "Bondye a blan yo", ki se pawòl ke yo di te blayi nan rankont nan Mònrouj la. Men, menmsi revizyonis kretyen yo pap dakò ak sa, visyon de ras Bondye te byen popilè kay pèp kaptif nan Sendomeng la, ki te "rele losti sen an Bondye a blan." (73)
  • Toussaint, depi 4 oktòb 1791, te fè konnen entansyon l pou l te ale nan Panyòl (ki kont mizilman). Pita, msye te menm goumen pou Panyòl yo, ansanm ak Jean-François ak Biassou. (74)
  • Toussaint pa t konn bwè alkòl. (75) Sepandan, li te gen alkòl nan kan li. Nan lèt li nan 15 oktòb 1791, li te lonmen non Boukman (Bouqueman) epi li te di Biassou ke l ap voye alkòl fò (tafya) bay li, pou sòlda yo ka bwè : "Bon zanmi m, (...) ou ka fè Bouqueman konnen sa (...). Si w bezwen tafya, m ap voye l pou wou kan w ta vle, men chèche menaje yo; ou ka santi ke w pa dwe ba yo kantite ki pral deranje yo." (76) 
  • Epi, msye pa t diferan de pifò Ayisyen. Paske, malgre li te katolik, "Toussaint-Louverture, lè ekspedisyon franse ke jeneral Leclerc kòmande a te rive, te al apprann lavni li nan men yonn nan vodou yo ki popilè akozde talan yo nan gade lavni." (77)
Kidonk, eleman ke nou prezante isit la, montre ke Toussaint te katolik, ak yon ti kote tradisyonalis, nan moman kritik yo. Li pa t mizilman, sa se si.


9- Jean-Baptiste Cap, Wa nan Lenbe ak Pòmago

Si Toussaint Louverture (Bréda) te yon Nwa lib, e menm yon mèt esklav, ki te mete men nan revolisyon an, li pa t sèl nan kondisyon sa. Yon lòt Nwa privilejye tou, e menm rich,+ se te Jean-Baptiste Cap.
Nan dat 1ye septanm 1701, Jean-Baptiste Cap, ki te gen grad Wa Lenbe ak Pòmago, te esaye fè kèk travayè sou bitasyon levekanpe,++ avèk alkòl. Sa demontre kijan Jean-Baptiste Cap pa t mizilman, epi sitou, kijan l te konnen ke pèp kaptif la te konn bwè alkò fò (tafya) :
"Le 1er septembre, plusieurs nègres et négresses furent fusillés à la paroisse. (...) Jean-Baptiste Cap, nègre libre, contumacé dans l’affaire d’Ogé s’approche de la ville. Il veut soulever les ateliers des environs, les seuls à être restés fidèles. Il s’adresse à cet effet au commandeur du citoyen Lambert, qui prétexte un voyage à faire en ville; Jean-Baptiste Cap lui dit qu’il l’attendra et lui donne commission d’apporter une dame-jeanne de taffia. Ce qu’il lui promet de faire." (78)
Tradiksyon :
"Nan 1ye septanm, yo te fizye anpil nèg ak nègès nan pawas la (…) Jean-Baptiste Cap, nèg lib, kondane adistans nan zafè Ogé a, te pwoche lavil la. Li te vle fè atelye nan zonn an levekanpe, yo sèl ki te rete fidèl. Li te pale sou sa ak kòmandè bitasyon sitwayen Lambert a, ki te bay pretèks ke l prale lavil, Jean-Baptiste Cap te di l ke l ap tann li, epi li te bay komisyon pote yon barik tafya. Sa li te promèt li l ap fè."
Nou tou wè ke tèz islamik la pa pi mache ak Jean-Baptiste Cap. Msye, jan otè a te remake l, menm jan ak anpil nan nwa lib yo ki te konplis Ogé, te potekole ak kaptif yo. Anpil fwa, nwa lib sa yo, ki te profitè, te chofe kaptif yo revòlte, pou pwòp rezon politik yo. Touswit apre viktwa final la, yon pati nan yo ki te repibliken (kidonk, fanatik repiblik kòm tip gouvènman) men ki te fè sanblan wayalis (kidonk patizan wayote kòm tip gouvènman), te vin leve kont enterè majorite moun peyi a. Yo te kreye divizyon pou yo te ka tabli repiblik kont-revolisyon an epi k ap fè bak la, ke nou genyen an.


10- Fayette, nonm ki konn li a

Fayette oswa Mesye Fayette, jan Biassou te rele l, te gen yon grad nan mitan, nan kòmandman an. Li te anba lòd Toussaint, Biassou, elatriye. Nou panse, dapre lèt ki lonmen non li, ke li te gen wòl fè roulman yo mache nan mitan lame rebèl la. Lèt sila, nan dat 22 oktòb 1791, (ki te pibliye ak tout fòt òtograf li yo) ki te ekri nan tan Boukman te vivan, te montre kontak ak Panyòl yo. Lèt sa te montre tou, non sèlman ke rebèl yo te konn bwè alkòl, men ke yo te konn fè li nan kan yo :
"Lettre d'un nègre, signée Fayette ; du Dondon, le 22 octobre 1791.
Mon général,
J'ai l'honneur de vous souhaiter le bonjour et mon général français qui vous fait de même. J'ai l'honneur de vous zaprendre que nous avons tresté avec Lespagne ; nous salon oujourd'hui écrire à Monsieur le président, pour optenir ce que nous zavont de besoin ; est ses tun traité qui me fait un sansible plaisir, auquel je suis réjuis comme estamp persuadé que sett nouvelle vous fera autamp de plaisir que moi, qui fais que je vous le fais savoir. Le général vous prie, sitôt la présente reçu, de faire prendre tout le tafia qui et fait, et tous le sucre et le tafia surtout lui sont consigné pour le camp de Dondon. Tous lestat major vous salus, leur très heumbles civilité, et vous soite bien de la santé ainsi que moi.
J'ai l'honneur d'être avec un fraternel atachement et respecteux respect,
Mon très cher général, V.T.H. et T.Ob.S.+++
Signé : FAYETTE." (79)
Tradiksyon : 
"Lèt yon nèg, siyen Fayette ; nan Dondon, yon 22 oktòb 1791.
Jeneral a mwen,
Sa fè m lonè pou m ka swete w bonjou, epi jeneral franse mwen an fè menm jan. Mwen gen lonè aprann ou ke nou te fè afè ak Lespay ; nou pral ekri Msye Presidan an jodiya, pou nou ka jwenn sa nou bezwen an ; e se yon afè ki fè m anpil plezi, e m kontan ke lèt sa ap fè kè w kontan menm jan ake m, ki bay w nouvèl la. Jeneral la di w tanpri, sito w li lèt sa, fè yo pran tout tafya ki te fèt, ansanm ak tout sik, men tafya a sitou, pou w voye ba li nan kan Dondon an. Tout etamajò a salwe w, yo wete chapo ba, epi yo voye swete w sante, menm jan ake m. 
Mwen gen lonè pou ka, ak yon atachman fratènel epi yon rèspè rèspèktab, 
Bon chè jeneral anm, V.T.H. et T.Ob.S. 
Siyen : FAYETTE."
Boukman te vivan lè jan de demann sa te fèt. Sa rann li difisil anpil pou nou kwè ke li te mizilman, epi ke l ta va aksepte goumen nan mitan sòlda ki t ap fè alkòl ke islam entèdi. Epitou, mizapa bwè alkòl, lefè menm ke rebèl yo te fè afè ak Lespay, yon nanchon ki pa t vle wè mizilman nan tan sa, akozde okipasyon mizilman yo te sibi, prouve ke rebèl Sendomeng yo pa t mizilman


11- Barthélemy Roquefort

Jan nou te wè l la, nan 1790, Barthélemy (Barthélemi) te pataje ak Boukman lidèchip sou teren an de yon bann brigan. Men, chèf siprèm bann sa, se te Biassou. Epi, yon lane pita, nan 1791, Bartélemy te patisipe nan limen dife anvan lè sou bitasyon Chabaud a. Kidonk, nou ka di ke Msye te pre Boukman. E ke, si islam te enfliyanse rebelyon yo an, Barthélemy ta dwe gen lafwa mizilman. Men, se pa t sa pyès! Paske, dapre lèt Toussaint an, nou konnen ke te gen tafya nan kan Biassou a. E me otè sila fè nou konnen ke Barthélemy :
"était le noir qui commandait le camp, en l'absence de Biassou". (80)
Tradiksyon :
"te nwa a ki te kòmande nan kan an, lè Biassou pa la. "
Kidonk, si li te mizilman, Barthélemy pa t ap janm aksepte kòmande nan yon kan kote tafya t ap bwè. Epi, kèk lane pita, nan 1794, Barthélemy te antre nan lame franse a :
"Le colonel Barthélemy, noir du parti de Laveaux." (81)
Tradiksyon :
"Kolonèl Barthélemy, nwa nan pati Laveaux a."
Ankò yon lòt fwa, konpòteman li pa mache ak yon mizilman. Anplis de sa, nan kòmansman lagè a, Barthélemy te gen kòmandman Lenbe ak Pòmago, (82) (sa pa t anpeche Jean-Baptiste Cap te wa, pa kòmandan, zonn sa yo, jouk li te peri nan septanm 1791). Men, vwalake, nan kòmansman novanm 1791, lame franse te mache sou Pòmago, epi, dapre Le Clerc, yon jeran bitasyon ki te temwen ak patisipe nan atake kan rebèl la, rebèl yo te gen kochon ke yo te gade pou manje nan kan sila. Epi Franse yo, pou yo te amize yo, te pran tchwe kochon sa yo, epi manje yo, jan rebèl yo te konn fè :
"The blacks had clearly hoped to hold out in this position because they had a supply of livestock for food, which the whites now seized.

There I witnessed the disorder of war: soldiers and civilians, instead of just killing the animals they needed for food, ran around, sabers in hand, amusing themselves by cutting sheep and pigs in half and using only a small part, with the result that the stench that soon began to rise from this infected place would have forced us to flee it, if that had not already been part of the general plan." (83)
Tradiksyon :
"Nwa yo te klèman espere yo t ap kenbe pozisyon sa, paske yo te gen zanmino an rezèv pou yo manje, e ke blan yo vin sezi konnye la.

Se la ke m temwen foli nan lagè: sòlda ak sivil yo, olye pou yo te jis touye bèt yo te bezwen pou manje, yo te pito kouri toupatou, zepe nan men yo, epi amize tèt yo nan koupe mouton ak kochon an mwatye, jis pou yo te itilize yon ti moso sèlman, sa lakoz move sant leve byen vit nan kan an ki te vin tèlman enfekte ke sa te fòse nou kite li, menmsi sa pa te deja nan plan jeneral la.
"
Finalman, kan Barthélemy nan Lenbe, sou bitasyon Alquier a, te reziste plis pase kan nan Pòmago a. Toujou, dapre Le Clerc, kan solid sa, ke lame franse a te vin atake apre Pòmago, te non sèlman gen yon Franse ki t ap fè yon nan kanno mache, se te pè Philémon, ki t ap sipòte rebèl yo, ki te trase plan kan sa :
"Le Clerc’s troop now prepared to storm the guildiverie (rum distillery) at Alquier, strongly defended by the blacks (Le Clerc calls it “this redoubtable camp . . . this Gibraltar of the Africans”), who were aided, Le Clerc claims, by some whites as well.

The whites will be torn to pieces there, so said their general Barthélemi. . . . This camp forms a square. (...) Two narrow openings had been made for their two cannon. One, a four-pounder, was manned by Barthélemi, the other, a 48-pounder, by a veteran white gunner who had once been able to admire the value of true heroism under the Comte d’Estaing. (...) He will pay dearly for his treason, this runaway plantation manager from the district. The position is quite defensible. The plan was drawn up by our curé, Father Philemon. Minister of hell! The scaffold is waiting for you." (84)
Tradiksyon :
"Twoup Le Clerc a prepare konnye la pou li plonje sou gildiv (kote yo distiyè wonm) nan Alquier a, ke nwa yo defann janm (Le Clerc rele li "kan mabyal la… yon Jibraltar pou Afriken yo"), ki te jwenn èd, Le Clerc te di, nan men kèk blan tou.

Blan yo pral chire an ti retay la, jeneral yo Barthélemi te di. . . . Kan sa fòme yon kare. (...) De ouvèti etwat te fè pou de kannon. Yonn, Barthélemi te sèvi ak yon kannon kat liv, lòt la, yon kannon 48 liv, moun ki t ap fè l fonksyone a, se te yon veteran blan ki te gen chans admire bon jan kouraj ak aksyon ewoyik anba lòd Kont d'Estaing. (...) Li pral peye chè pou trayizon l, jeran plantasyon sila ki sove de katye l. Pozisyon sa defandab fasilman. Plan li te trase pa Philémon, Pè pawas nou, Pastè lanfè sa! Echafo [machin pou koupe tèt] a ap tann ou.
"
Nan kondisyon sa yo, nou gen asirans ke Barthélemy, yonn nan pi ansyen kanmarad Boukman, pa t mizilman. 

12- César, kòmandan kan nan Nòdès yo

Annou pase nan kan rebèl nan Nòdès yo ki te anba lòd Jeneral César. Kòmandan sa te yon Nwa lib. Epi, li t ap jere tout teritwa sa. Ke se kan nan Fòdofen, nan Wananment, oswa lòt ti kan tanporè ki te gaye alantou frontyè a. (85) 
Konsa, nan dat 15 novanm 1791, kidonk apèn yon semèn apre lanmò Boukman, rebèl yo te kenbe Fauconnet, ki se yon kolon nan Fòdofen. Rebèl sa yo te chita kan yo sou bitasyon Fauconnet ki toupre frontyè panyòl la. Epi, nan kèk eseye li te fè pou l chape, Fauconnet te wè rebèl yo ki t ap troke provizyon ak zam ak Panyòl yo. E menm vyan kochon, yon bagay ke islam entèdi, te fè pati de manje ke rebèl yo te jwenn :
"Imprisonned by the rebels on 15 November 1791, Fauconnet tried to escape into the Spanish colony twice. (...) It is quite clear from his account that the rebels were in control of the territory and of the various routes which led to the other side; they were also trading with the Spanish for food and ammunition. Citizen Fauconnet reports having seen a Spaniard selling three barrels of gunpowder, beef, and pork to the insurgents, which were paid for with coffee and mules stolen from raided plantations and with a coupon payable in fifteen days..." (86) 

Tradiksyon :
"Antre nan prizon nan dat 15 novanm 1791, Fauconnet te eseye sove de fwa pou koloni espanyòl la. (…) Istwa l la demontre klèman ke rebèl yo te kontrole teritwa ak yon dal rout ki mennen lòt kote a: yo te konn troke manje ak zam tou ak Panyòl yo. Sitwayen Fauconnet te rapòte ke l te wè yon Panyòl vann rèbèl yo twa barik poud kannon, bèf, ansanm ak kochon, ke yo te peye ak kafe, milèt yo te vole nan plantasyon yo te piye yo, epi ak yon koupon ki payab nan kenz jou..."
Antouka, Jeneral César pa t yon mizilman. Epi pèsonn pa ka nye ke pa t gen mizilman nan chèf ki te konbat ansanm ak Boukman yo. Anplis de sa, yon paspò rebèl yo, ke yo te kenbe nan dat 1ye oktòb 1791, kidonk, nan tan Boukman te vivan, te bay rezime de tout pwen ke nou sòt analize yo la : asavwake, Boukman, oswa Jean-François (ki te reprezante mawon yo) epi Biassou (chèf bann ki pa t mawon yo) te kòmande yon lame revolisyonè ki te gen Nwa ak Milat, tou de koulè sa yo te konn lib ak kaptif. Epitou, yon (fo) dekrè wayal te sèvi kòm gaz politik, pandan ke kwayans ke y ap tounen Nan Ginen, Peyi Zansèt yo, apre lanmò, te pèmèt rebèl yo defye lanmò nan goumen :


Sous : Assemblée nationale. Archives parlementaires de 1787 à 1860 ; vol. 37. Paris, 1891. p.291.


"A cette lettre est jointe un modèle de billet trouvé sur des nègres prisonniers ; c'est un carré partagé en quatre, à la première case se trouve des lettres moulées M.D.M [inconnu jusqu'ici] ; dans la seconde "Le préjugé vaincu, la verge de fer brisée, vive le roi !" ; et au bas dans la case de gauche, les lettres majuscules J. B. [Jean-François et Biassou - Pas Boukman qui n'était pas le chef] ; dans celle de droite, les majuscules M. N. [Mulâtres & Noirs] entrelacées et surmontées d'un coeur." (87)
Tradiksyon :
"Nan lèt sa, nou te tache tikèt sa ke nou te jwenn sou nèg nou te kenbe yo ; se yon kare ki separe an kat, nan premye moso a, te gen lèt moulen ansanm M.D.M [nou pa konnen sa yo vle di jouk jounen jodiya] ; nan dezyèm moso a "Nou kraze frekansite a, baton fè a kase, viv wa a!" ; epi anba, nan moso a goch la, lèt an majiskil yo bay J.B. [Jean-François ak Biassou - pa Boukman ki pa t chèf la] ; nan moso a dwat la, lèt majiskil sa yo M. N. [Milat ak Nwa] ki kwaze ansanm, epi anro yo te gen yon kè."
Nan ka sa, nou kapab efase lide ke revolisyon ayisyen an te soti nan doktrin mizilman. Nan yon atik ki gen pou parèt, na va prouve ke Boukman menm, pa t yon mizilman.


13- Romaine La Prophétesse, travèsti a

Depi nwa septanm-novanm 1791, yo te remake abiman Romaine Rivière nan Twoukofi, toupre Leyogàn (nan Lwès la). Lidè rebèl sila te yon kreyòl lib, li te gen madanm ak pitit, li te mèt tè, epi li te yon houngan oswa yon prèt tradisyonèl. Men, sa pa t anpeche, nan apwòch lagè li, ke li te degize kòm Lavyèj Mari. Epi, yo te rele l Romaine La Prophetesse (Romèn Lapwofètès) :


"Romaine Rivière, propriétaire, dans les hauteurs de Léogane, d'une petite plantation caféyère, au lieu appelé le Trou-Coffy, situé sur les limites de Jacmel et de Léogane, près du corail de Brach et des Citronniers, avait, dans le débordement des passions, établi un camp sur sa terre.
Là, se disant inspiré de la Sainte-Vierge, prenant la dénomination de prophétesse, il mêlait au culte qu'un on doit au créateur l'exercice des sortilièges (1).
(1) "Ce griffe, marié à une mulâtresse, a construit une chapelle et un autel, où il célèbre ses mystères à sa mode ; il met sa tête dans son tabernacle pour y écouter les réponses du Saint-Esprit, fait écrire des lettres à la Saint-Vierge et les réponses de la Sainte-Vierge se trouvent le lendemain dans son tabernacle ; il fait ses méditations et prêches le sabre à la main, enseigne à ses imbéciles prosélytes un doctrine d'où ont résulté les vols, les assassinats, les incendies. Ce scélérat est aussi charlatan, il compose des remèdes, etc." Rapport de Blouet, curé de Jacmel, du 14 février 1792." (88)
Tradiksyon :
"Romaine Rivière, mèt tè nan mòn Leyogàn, kote li gen yon plantasyon kafe yon kote yo rele Twoukofi, ki chita sou limit Jakmèl ak Leyogàn, toupre koray Brach ak Citronniers. Li te, lè deblozay te pete, etabli yon kan sou tè li a.
La, li te di ke l te enspire pa Lavyèj, epi li te pran non pwofètès, li te mele adorasyon ke yo dwe bay kreyatè a ak pratik majik.
(1)
(1) "Grif sila [pitit yon gason oswa yon fi nwa ak yon milat oswa milatrès, sa vle di ke li te fèt sou zile a, e pa nan peyi Kongo, jan revisyonis kretyen yo ap plede di li, san prèv], te marye ak yon milatrès, li te bati yon chapèl ak yon lotèl kote te li selebre mistè li nan mannyè li ; li te antre tèt li nan tabèrnak la, pou l te ka koute repons Lesentespri a, li te fè yo ekri lèt bay Lavyèj la epi nan demen, yo te jwenn repons Lavyèj la nan tabèrnak li a ; li te fè meditasyon ak prèch li ak epe li nan men l, kote li anseye enbesil ki kwè nan li yo yon doktrin ki lakòz vòl, sasinay, mete dife. Vakabon sila te yon chalatan, li te konn fè remèd, elatriye." Rapò Blouet, prèt nan Jakmèl, nan 14 fevriye, 1792."
Kidonk, aksyon senkristik travèsti ke Romaine La Prophétesse te fè a, sou enspirasyon de marenn li, Lavyèj Mari, pandan li t ap pran fòs, pwoteksyon ak remèd nan majik tradisyonèl la, pa t islamik.


14- Hyacinthe Ducoudray, vanyan an

Me nan jounen 28 mas 1792 la, apèn kat mwa apre lanmò Boukman a, twoup Hyacinthe [Yasent] yo te atake Franse yo nan Kwadèboukè, toupre Pòtoprens. Hyacinthe, yon houngan, te enspire twoup li yo ak yon fwèt ki fèt ak lake cheval,  Li te fè yo konnen ke boulèt kanno pa anyen, se jis dlo. Kolonèl Malenfant te temwen de sa :


"Leur chef Hyacinthe passait au milieu des balles, à portée du pistolet, tenant à sa main un petit fouet de crin de cheval, qu'il remuait avec vitesse en criant aux noirs : En avant, c'est d'iau, c'est d'iau (c'est de l'eau) qui sort  des canons, pas gagnez peur." (89)
Tradiksyon :
"Chèf yo a, Hyacinthe, te pase nan mitan bal yo, nan nivo kote pistolè yo te ka touche l,  li te kenbe yon ti fwèt lake cheval, ke li t ap vire byen vit, pandan l ap rele byen fò bay nwa yo : Douvan, se djo, se djo (se dlo)  k ap soti nan kanno yo, pa bezwen pè."
Epi, apre viktwa a, Hyacinthe ki te pratike yon relijyon senkretik (tradisyonèl ak katolik), te mennen twoup li yo nan legliz pou yon prèt katolik te ba yo benediksyon :


"Après cette affaire, Hyacinthe se rendit en ordre au presbytère, où il fit bénir sa troupe par le curé, après lui avoir demandé l'absolution. Le père Thomas se montra docile à tout ce que le vainqueur voulut, et resta tranquille avec une douzaine de blancs qui s'étaient réfugiés chez lui." (90)
Tradiksyon :
"Apre zafè sila, Hyacinthe te ale nan lòd nan presbitè a, kote li te fè pè a beni twoup li yo, apre pè a te te fin ba li absolisyon. [kidonk padon pou zak li te sòt komèt yo]. Pè Thomas te mete l toudousman devan tout sa venkè a te vle, e li te rete trankil ak yon douzèn blan ki te pran refij lakay li."
Èske yon mizilman ta va al chèche benediksyon nan yon legliz katolik, apre yon batay? Sa pa t ap rive, pyès!


15- Prèv manch long la

Fò nou te mete prèv final sa, ke nou te fèk jwenn nan achiv panyòl yo. Prèv sa montre klèman ke revolisyonè ayisyen yo pa t mizilman, epi yo pa t ka mizilman. Prèv la, se yon lis pwovizyon ke Panyòl wayalis yo te voye bay rebèl yo, nan mwa septanm 1793. E jan nou te ka devine l, te gen diven, aguardiente (alkòl fò) ak kochon (janbon) nan pwovizyon manje rebèl yo :

"Provisiones para Biassou
Harina
Vino
Aguardiente
Velas
Lienzo de Flandes
clavar de comer
Canela
Arroz
fideos
Hilo de todas calidades
Javon (?)
Pimienta
Azeyte (?)
Zapatos
Pañuelas
Puerto Maon (?)
Coletilla aplomada fina
Jamones
Sombreros
Charreteras para oficiales

Secretaria
32 resma de papel
4 Botellas de finta
6 paquetes de lacre" (91)
Tradiksyon :
"Provizyon pou Biassou
Farin
Diven
Aguardiente (tafya, branndi, kleren)
Bouji
Twal ki soti Lafland
Klou giròf
Kannèl
Diri
Nouy (pat)
Fil tout kalite
Savon (?)
Pwav
Lwil (?)
Soulye
Mouchwa
Puerto Maon (?)
Coletilla aplomada fina (Kòlèt plake fen) (???)
Janbon
Chapo
Zèpòlèt pou ofisye

Zafè pou biro

32 Ram papye
4 Boutèy Finta (?)
6 Pakèt lak (?)"
Pa gen demanti prèv dirèk sa. Revolisyonè ayisyen yo te manje manje ke islam entèdi, akozke yo pa t mizilman. Sepandan, ke yo pa vin di nou ke rebèl yo te aksepte manje islam entèdi sa yo pa koutwazi. Panyòl yo ki te voye pwovizyon yo, te konfime ke rebèl yo te manje yo. Biassou te yonn nan yo : 
"A Spanish officer noted that Biassou's only job is to drink aguardiente [hard liquor]." (92)
Tradiksyon :
"Yon ofisye panyòl te ekri ke sèl travay Biassou, se te bwè aguardiente [alkòl fò]."
Nou blije repete ke prèv la fèt. Te gen yon pakèt Franse ki te prizonye rebèl yo pandan plizyè mwa. Men, ankenn nan yo pa janm te remake rebèl yo t ap priye tèt anba, dèyè anlè, tankou mizilman ta dwè fè 5 fwa pa jou. Detoutfason, Panyòl ki te abitye ak mizilman, t ap rekonèt yo touswit. Men sa pa t janm te fèt. Okontrè, se Sèvitè zantrak ak prèt katolik sèlman yo te wè nan kan rebèl yo. Epitou, achiv panyòl yo chaje ak plizyè douzèn lèt ke lidè rebèl yo (Jean-François, Biassou, Bernardin, Matable ak Lefebvre) te voye bay Pè Vasquez ansanm ak Frè Fernando. Nan lèt sa yo, lidè rebèl yo te pale san mande rete de atachman yo ak relijyon kretyen an, epi atachman yo ak wayote. Lèt sila, ba nou yon egzanp de sa  :



Tradiksyon :
"Jodi 6 Me 1793 la

Monseyè Achevèk la,

Pèmèt mwen pran libète de gen lonè pou m ekri w lèt sa, pou m ka salye l tou ba pandan m ap priye Bondye pou l konsève w nan lavi etènèl epi kenbe lavi w nan pi gran kè kontan ke w merite akozde omaj ou antanke Pè kretyen, e ke gwo Bondye toupwisan an a va konsève lavi nan kè kontan sa ke ou merite.
Kòm mwen te pwomèt ke m ap soumèt mwen, epi m ap rete fidèl a bon Wa a, ki vle sipòte ak bon men li [ilizib] kontan ke nou ka bay sipò, pou defèt lènmi li ki trayi Bondye ak Wa a, monseyè, kisa m ka temwaye w pi byen pase bon jan fidelite m, ansanm ak pa tout yon pèp ki gen asirans tankou mwen ke Gran Seyè sa alawonnbadè de sovaj malere sa yo ki [ilizib] tranpe men yo nan san bon jan Wa franse nou an, epi pou temwaye l bon jan Revanj ; n ap mande ak men nou mare pou nou sèvi gran Wa Lespay la pandan n ap promèt ke n ap rete fidèl a Bondye ansanm ak Wa a pou lavi
.

Se nan mele tout konfesyon sensè ak fidèl sa ke mwen gen lonè pou m ka, ak tout respè.

Monseyè Achevèk la.

Sèvitè soumèt ak obeyisan anpil ou an,
Biassou
Jeneral lame Wa Espanyòl la
 
Jean-François
Gran amiral
Lefebvre
Èddekan Jeneral


Matable
Èddekan Apye
"
(93)
Sou pwen sa, se pa prèv ki manke pou fèmen bouch sa k ap fè manti yo.



* David P. Geggus. The Haitian Revolution : A Documentary History. Indianapolis, 2014. p.77.
** Nan 1791, Pè Philémon, te ranfòse kòz rebèl yo, lè l te desinen plan defans bitasyon Alquier nan Lenbe a. (Yon sitasyon Jeremy D. Popkin. Facing Racial Revolution : Eyewitness account of the Haitian insurrection. Chicago, 2007. p.99.) Menm jan an tou, yon Manbo, Madan Paget ki te gen tinon LaVyèj, te fè lagè bò kote Jean-François nan Fòdofen nan 1794, epi fi sa te touye twa fwa plis Franse pase mwayèn kanmarad gason li yo. (Yon sitasyon David Barry Gaspar, Darlene Clark Hine. More Than Chattel: Black Women and Slavery in the Americas. Bloomington, 1996. p.278.) 2 egzanp sa yo pwouve ke relijyon te melanje ak estrateji militè nan tout moman nan revolisyon ayisyen an.
*** Si Vodun se yon relijyon nan peyi Benen, ann Ayiti, "Vodou" pa aktyèlman egziste kòm yon relijyon. Sètènman, nan koloni Sendomemg la, kote anviwon yon ka nan kaptif yo te soti nan Dawomen, sètadi kote yo rele Benen konnye la, mo "Vodoun" la te vle di Lespri Zansèt yo. Apre sa, sa vin fè ke ann Ayiti, "Vodou" vin tounen non rit tout moun Dawomen yo oswa rada (soti nan Arada, ki se yon kote nan Benen). Sepandan, eritaj moun Dawomen yo pa reprezante tout relijyon zansèt ayisyen an ki konpoze de eritaj moun anpil nasyon, oswa nanchon, oswa gwoup etnik. Se te kolon yo ki, nan inyorans yo, te fè erè panse ke mo "Vodou" a te vle di relijyon zansèt tout kaptif yo.
**** Malgre ke misyonè mizilman yo rejete eleman etnik oswa rasyal nan relijyon yo an, reyalite a rete ke islam mete anpil enpòtans sou san Mawomèt, jouk yo rele desandan dirèk li "Sayyid oswa Sayyida". Akozdesa, nan konpare islam ak lòt relijyon, ras ak gwoup etnik se faktè ki valab.
+ Pou plis sou richès Jean-Baptiste Cap, : Yves Benot. "Les insurgés de 1791, leurs dirigeants et l'idée d'indépendance". In : Les Lumières, l'esclavage, la colonisation, La Découverte « TAP/HIST Contemporaine », 2005, p. 230-240.
++ Malerezman, sa te fini mal pou Jean-Baptiste Cap, ewo a ki t ap konbat sistèm an depi mwa fevriye 1791. Li te eseye enfliyanse Jean, ki kòmandè nan bitasyon Chaperon de la Taste ki trouve l toupre lopital Kapfranse. Men Jean sila, se te yon ti sousou pannan ki te kouri rele lapolis ki te arete Jean-Baptiste Cap. Yo te kondane msye. Epi, yo te "wonp" li. Kidonk, yo te tache nan yon gwo rou ke yo te roule nan lavil la jouk li mouri. Kanta trèt Jean an menm, otorite yo, nan jounen 4 septanm 1791, te blayi l ak elòj ofisyèl epi rekonpans. Yo te bay li libète li ansanm ak yon pansyon de 300 liv (b nan tan sa). Yo te menm fè yon meday an ajan pou trèt la, ki te make 2 bò :


"Devant : JEAN s'est dévoué aux Blancs le 1er Septmbre 1791.
Arrière : Saint-Domingue a affranchi & pensionné Jean le 4 Septembre 1791." (94)
Tradiksyon :
"Devan : JEAN te devwe l pou Blan yo nan 1ye Septanm 1791.
Dèyè : Sendomeng te bay Jean libète ak pansyon nan 4 Septanm 1791 la."
Sèl konsolasyon nan zafè sa, se ke polisye ki te arete Jean-Baptiste Cap la, 3 semèn pita, nonm tchak Jeannot a te mete grap sou li. Epi. malgre rèl kèk fi nwa ki gen bon kè, Jeannot te masakre polisye a pou l vanje Jean-Baptiste Cap. (95)

+++ V.T.H. et T.Ob.S. = Votre Très Humble et Très Obéïssant Serviteur. (Sèvitè soumèt ak obeyisan anpil ou an.)



 
Referans
(1) France Convention nationale. Débats entre les accusateurs et les accusés, dans l'affaire des Colonies, imprimés en exécution de la loi du 4 pluviose. Tome 1. Paris, 1795. p. 367.
(2) Correspondance de M. de Cambefort avec M. de Blanchelande. Journal des Débats de l'Assemblée coloniale, le 7 novembre 1791. In :  Jean Fouchard. Les marrons de la liberté. Port-au-Prince, 1988. pp.413-414.
(3) François-Alexandre Beau. La Révolution de Saint-Domingue, contenant tout ce qui s’est passé dans la colonie française depuis le commencement de la Révolution jusqu’au départ de l’auteur pour la France, le 8 septembre 1792. Pa pibliye.
(4) Verneuil Gros. Isle de St.-Domingue, province du nord...: Précis historique. Paris, 1793. p.14.
(5) Yves Benot. "Les insurgés de 1791, leurs dirigeants et l'idée d'indépendance". In : Les Lumières, l'esclavage, la colonisation, La Découverte « TAP/HIST Contemporaine », 2005, pp. 230-240.
(6) ANOM : Lettres patentes de juillet 1651 autorisant les Jésuites à s'établir à Saint-Domingue (juillet 1651, copie octobre 1704) URL : http://anom.archivesnationales.culture.gouv.fr/ark:/61561/ou533fz554l
(7) Wè dat ak chif yo sou slavevoyages.org
(8) Gouvernement de France. Code Noir sur les esclaves des ïles de l'Amérique. Paris, 1680.
(9) ANOM : Lettre du père de Sacy, procureur des Jésuites, au sujet de l'interdiction de l'établissement d'une confrérie de "nègres" à la Guadeloupe (29 novembre 1753). URL : http://anom.archivesnationales.culture.gouv.fr/ark:/61561/ou533smpqmf
(10) Pou plis enfòmasyon sou konfreri kaptif nan Brezi yo, wè José Reis. Différences et résistances : les Noirs à Bahia sous l'esclavage. In : Cahiers d'études africaines. Vol. 32 N°125. 1992. pp. 15-34. URL : http://www.persee.fr/web/revues/home/prescript/article/cea_0008-0055_1992_num_32_125_2086
(11) : Dénonciation des crimes et attentats des soi-disans Jésuites, dans toutes les parties du monde." Paris, 1762. Ou Kawas François. S.J. "La Compagnie de Jésus en Haïti durant la colonisation française au XVIIe siècle." In : Le Brigand. Janvier-Mars 2005. No. 481 [anliy] URL : http://www.jesuites.org/Brigand9/colonisation.htm
(12) Gouvernement de France. "Ordonnance du Roi, Concernant les Procureurs & Économes-gérans des habitations situées aux Isles sous le Vent ; Du 3 décembre 1784." In : Moreau de St.-Méry. Loix et constitutions des colonies françoises de l'Amérique sous le Vent. Tome 6. Paris, (). pp.655-667.
(13) Gouvernement de France. "Ordonnance du Roi, Concernant les Procureurs & Économes-gérans des habitations situées aux Isles sous le Vent ; Du 23 décembre 1785." In : Moreau de St.-Méry. Op. Cit. pp.918-930.
(14) Philippe Girard. Toussaint Louverture : A Revolutionary Life. New York, 2016. [anliy]
(15) Pou nou konnen plis sou sikilasyon fo dekrè libète nan Lamerik, wè : Wim Klooster, « Le décret d’émancipation imaginaire : monarchisme et esclavage en Amérique du Nord et dans la Caraïbe au temps des révolutions », Annales historiques de la Révolution française [anliy], 363 | janvier-mars 2011, yo mete l anliy 1 mas 2014, vizite l nan jounen 11 janvye 2015. URL : http://ahrf.revues.org/11944
(16) Pamphile de Lacroix. La Révolution de Haïti : Édition présentée et annotée par Pierre Pluchon. Paris. 1995. p.94. 
(17) Verneuil Gros. Op. Cit. p.17.
(18) Les Affiches américaines : Supplément du Samedi 3 novembre 1787 ; Parution no. 44. p.900.
(19) François-Alexandre Beau. Op. Cit.
(20) Ibid. 
(21) Les Affiches américaines : Supplément du Samedi 3 novembre 1787 ; Parution no. 44. p.900.
(22) Jacques de Cauna. "Toussaint Louverture, entre trois mondes, trois cultures : africaine, créole, gasconne." In : La Révolution haïtienne au-delà de ses frontières. Paris, 2006. p.106.
(23) Philippe Girard. Op. Cit.
(24) Thomas Madiou. Histoire d’Haïti. Tome 1. Port-au-Prince, 1847. p.72.
(25) Assemblée nationale. Archives parlementaires de 1787 à 1860: recueil complet. Tome 37. Paris, 1891, pp.311-312.
(26) Eugène Aubin. En Haïti : planteurs d'autrefois, nègres d'aujourd'hui. Paris, 1910. p.45.
(27) Verneuil Gros. Op. Cit. p.17.
(28) Sylviane A. Diouf. Servants of Allah : African Muslims Enslaved in the Americas. New York, 1998. pp.146-147.
(29) Gaspard Théodore Mollien. Histoire ou Saint Domingue. Tome 1. Paris, 2006. p. 73.
(30) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti…, Tome 3. Paris, 1853. p.91.
(31) Jane Landers. "Transforming Bondsmen into Vassals" In : Arming Slaves: From Classical Times to the Modern Age. p.81.
(32) Lèt Jean-François nan 4 septanm 1791. Yon sitasyon Colonel Malenfant. Des Colonies et plus particulièrement de celle de Saint-Domingue. Paris, 1814. pp.115-117. 
(33) Mazères. De l'Utilité des colonies, des causes intérieures de la perte de Saint-Domingue et des moyens d'en recouvrer la possession - Paris, 1814. p.106.
(34) "Biassou's burial entry noted he was native of Guarico [Cap] and son of the blacks Carlos and Diana [Charles and Diane]." (Trad.) : "Rejis fineray Biassou te make li te fèt Guarico [Okap] epi li te pitit 2 moun nwa ki se Carlos ak Diana [Chal ak Dyan]" Jane Landers. Black society in Spanish Florida. Chicago, 1999. p.358.
(35) Assemblée nationale. Archives parlementaires de 1787 à 1860: recueil complet. Tome 37. Paris, 1891, pp.311-312.
(36) Pamphile de Lacroix. Mémoires pour servir à l'histoire de la révolution de Saint-Domingue. Tome 1. Paris, 1820. p.165.
(37) Thomas Prosper Gragnon-Lacoste. Toussaint Louverture, général en chef de l'armée de Saint-Domingue. Paris, 1877. p. 29.
(38) Louis Dubroca. La vie de J.-J. Dessalines, chef des noirs révoltés de Saint-Domingue. Paris, 1804. p.28.
(39) Thomas Madiou. Op. Cit. pp.72-73.
(40) Ibid.
(41) Ibid.
(42) Ibid.
(43) Joseph Saint-Rémy. La vie de Toussaint Louverture. Cayes, 1850. p.23.
(44) Antoine Métral. Histoire de l’insurrection des esclaves dans le Nord de Saint-Domingue…suivie des mémoires et des notes d’Isaac Louverture. Paris. 1825. p.333.
(45) Yves Benot. "Documents sur l'insurrection des esclaves de Saint-Domingue : lettres de Biassou, Fayette...." In : Annales historiques de la Révolution française, n°339, 2005. pp. 137-150;
http://www.persee.fr/doc/ahrf_0003-4436_2005_num_339_1_2756
(46) Ibid.
(47) Ibid.
(48) Ibid.
(49) Louis Dubroca. Op. Cit. pp.29-32.
(50) Jean-Baptiste Picquenard. Adonis ou le bon nègre : anecdote coloniale. Paris, 1798. pp.162-164.
(51) Jane Landers. Black Society in Spanish Florida, Chicago, 1999. p.132.
(52) Jane Landers. "Transforming Bondsmen into Vassals" In : Arming Slaves : From Classical Times to the Modern Age. New Haven, 2006. pp.120-145.
(53) Pamphile de LaCroix. Mémoires pour servir à l'histoire de la révolution de Saint-Domingue. Paris, 1819.p.482.
(54) Anonyme. Histoire des Désastres de Saint-Domingue. 1789. p.259.
(55) Mazères. Op. Cit. p.65.
(56) Pierre-Jean-Baptiste Nougaret. Histoire de la guerre civile en France et des malheurs qu'elle a occasionnés... Paris, 1803. pp. 283-284.
(57) Verneuil Gros. Op. Cit. p.7.
(58) Verneuil Gros. Ibid. p.9.
(59) Yves Benot. « Documents sur l’insurrection des esclaves de Saint-Domingue : lettres de Biassou, Fayette », Annales historiques de la Révolution française [anliy], 339 | janvier-mars 2005, yo mete l anliy 27 avril 2006, vizite l nan jounen 8 fevriye 2016. URL : http://ahrf.revues.org/2175
(60) Verneuil Gros. Op. Cit. p.7.
(61) Verneuil Gros. Ibid. p.13
(62) Ibid.
(63) Verneuil Gros. Ibid. p.12
(64) Yves Benot. « Documents sur l'insurrection... » Op. Cit.
(65) Anonyme. Histoire des Désastres de Saint-Domingue. 1789. p.259.
(66) Assemblée nationale. Séance du mercredi 30 novembre 1791. in : Étienne Lehodey de Saultchevreuil. Journal de l'Assemblée nationale, ou Journal logographique…, Volume 4. Paris, 1791. p.424.
(67) "Ce Jeannot avait décolé lui même plus de quatre-vingts blancs, qu'il avait fait prisonniers. Soupçonnant la fidélité d'un de ses généraux, Paul Blin, il le fit arrêter dans son camp, couper par morceaux, et jeter au feu." (Trad.) : "Jeannot sila, pou tèt li, li te fann fwa plis pase katreven blan, ke li te fè prizonye. Li te sispèk fidelite yonn nan jeneral li yo, Paul Blin, ke li te fè yo arete nan kan li, epi li te koupe l an moso ke l te jete nan dife."  Pierre-Jean-Baptiste Nougaret. Histoire de la guerre civile en France et des malheurs qu'elle a occasionnés... Paris, 1803. p.284.
(68) Le Moniteur universel, no. 110, 9 janvier 1799. In : Réimpression de l'Ancien Moniteur. Paris, 1843. pp.585 bis-586 bis.
(69) Michel Étienne Descourtilz. Voyages d'un naturaliste, et ses observations... Volume 3. Paris, 1809. p.249.
(70) Le Moniteur universel. Op .Cit.
(71) Michel Étienne Descourtilz. Op. Cit. p.396.
(72) Hannibal Price. De la réhabilitation de la race noire par la République d'Haïti. Port-au-Prince, 1900. p.233.
(73) Barrière de Vaublanc. Mémoires de M. le comte de Vaublanc. Paris, 1857. p.110.
(74) Assemblée nationale. Archives parlementaires de 1787 à 1860 : recueil complet. Tome 37. Paris, 1891, p.311.
(75) Michel Étienne Descourtilz. Op. Cit. p.246. 
(76) Assemblée nationale. Op. Cit. pp.311-312.
(77) Michel Étienne Descourtilz. Op. Cit. p.186.
(78) François-Alexandre Beau. Op. Cit.
(79) Assemblée nationale. Archives parlementaires de 1787 à 1860: recueil complet. Tome 37. Paris, 1891, p.312.
(80) Jean-Baptiste Jacques Picquenard. Adonis ou le bon nègre : anecdote coloniale. Paris, 1796. p.193.
(81) Thomas Madiou. Op. Cit. p.209.
(82) Beaubrun Ardouin. Études sur l'histoire d'Haïti...Tome 1. Paris, 1853. p.211.
(83) “Notes de Monsieur Le Clerc.” In : Jeremy D. Popkin. Facing Racial Revolution : Eyewitness account of the Haitian insurrection. Chicago, 2007. p.97.
(84) Ibid. pp.98-99. 
(85) Pamphile de Lacroix. La Révolution de Haïti : Édition présentée et annotée par Pierre Pluchon. Paris. 1995. p.90. 
(86) Maria Cristina Fumagalli. On the Edge : Writing the Border between Haiti and the Dominican Republic. Liverpool, 2015. p.51.
(87) Assemblée nationale. Archives parlementaires de 1787 à 1860 ; 35 (20 novembre 1791). Paris, 1860. p.260.
(88) Joseph Saint-Remy. Pétion et Haïti, étude monographique et historique. Tome 1. Paris, 1864. pp.149-150.
(89) Colonel Malenfant. Op. Cit. p.18.
(90) Colonel Malenfant. Ibid. p.19.
(91) "Ejército Sueldos y provisiones" ; Archivo General de Simancas,SGU,LEG,7157,14
(92) Philippe Girard. Op. Cit. 
(93) Lèt rebèl yo ekri Pè Vasquez nan 6 me 1793 ;  "Colonia francesa de Santo Domingo. Rebelión de negros" ; Archivo General de Simancas,SGU,LEG,7157,22 ; fichye (147-148/847)
(94) Gazette de Saint-Domingue... du Mercredi 21 Septembre 1791. Parution no.76, pp.891-892. 
(95) François-Alexandre Beau. Op. Cit.




Jan pou n site atik sa:
Rodney Salnave. "Boukman pa t chèf revolisyon ayisyen an". 29 jen 2017 ; mizajou 25 okt. 2019. [anliy] http://bwakayiman.blogspot.com/2017/06/boukman-pa-t-chef-revolisyon-ayisyen-an.html ; Vizite nan jounen [antre dat la].



Kontak: asaomedia@yahoo.com
Twitter: @BwaKayIlMent

Tout dwa rezève. Okenn pati nan sit entènèt sa a dwe repwodui, transmèt, vann, oswa fè kado nan nenpòt fòm oswa pa nenpòt mwayen grafik, elektwonik oswa mekanik, sa gen ladan l fotokopi, anrejistreman (recording oswa tepe), nimerizasyon oswa lòt fason, oswa pa nenpòt depo ak sistèm ki rekipere enfòmasyon, oswa imel san pèmisyon alekri alavans de otè a ak / oswa administratè a, eksepte nan ka pou yon kout prezantasyon, atik oswa revi.

Copyright Ⓒ ASAOMEDIA, 2016-2020